akademi kreyòl · pdf file 2020. 5. 24. · konpòtman leksiko-semantik...

Click here to load reader

Post on 12-Dec-2020

4 views

Category:

Documents

2 download

Embed Size (px)

TRANSCRIPT

  • Akademi Kreyòl Ayisyen Ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ?

    Ak Kòlòk entènasyonal sou Akademi Kreyòl Ayisyen an

    26 - 29 oktòb 201

    AK KOLOK 15 avril 2013.indd 1 4/16/2013 1:18:56 PM

  • AK KOLOK 15 avril 2013.indd 2 4/16/2013 1:18:56 PM

  • Sou direksyon Renauld Govain

    Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an

    Akademi Kreyòl Ayisyen Ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ?

    Ak Kòlòk entènasyonal sou Akademi Kreyòl Ayisyen an

    26 - 29 oktòb 201

    Éditions de l’Université d’État d’Haïti

    AK KOLOK 15 avril 2013.indd 3 4/16/2013 1:18:56 PM

  • Sou direksyon Renauld Govain

    Pou Komite pou tabli aKademi Kreyòl ayisyen

    Dépôt légal : Bibliothèque Nationale d’Haïti ISBN : 978-99935-57-67-8 Éditions de l’Université d’État d’Haïti

    AK KOLOK 15 avril 2013.indd 4 4/16/2013 1:18:56 PM

  • Tab matyè yo

    Entwodiksyon 9 AkAdEmi krEyòl AyisyEn An : pou krEyòl lA jwEnn plAs li nAn pEyi A Renauld Govain 9

    Premyè pati Wòl ak fonksyònman Akademi an (35-130)

    diskou ouvèti kòlòk lA Jean Vernet Henry 37

    lAng krEyòl : prEnsipAl mwAyEn konEsAns pèp AyisyEn Yves Dejean 41

    unE AcAdémiE pour lA lAnguE créolE : brEf historiquE dE projEts d’institutionnAlisAtion du créolE à l’èrE dEs indépEndAncEs  Vinesh Y. Hookoomsing 53

    nEsEsitE AkAdEmi krEyòl AyisyEn : tout voum pA do Rachelle Charlier Doucet 79

    EnjEux institutionnEls Et rôlEs d’unE AcAdémiE du créolE En hAïti Bénédique Paul 87

    AK KOLOK 15 avril 2013.indd 5 4/16/2013 1:18:56 PM

  • 6 AkAdemi kreyòl Ayisyen : ki pwoblèm ? ki AvAntAj ? ki defi ? ki Avni ?

    towArds A crEolE AcAdEmy for hAiti Marsha Hinds-Layne 95

    sou chimEn yon AkAdEmi krEyòl Ann Ayiti (towArds A crEolE AcAdEmy for hAiti) Lyonel Sanon 101

    èskE yon AkAdEmi sE yon kondisyon pou gEn pwodiksyon syAntifik nAn yon lAng ? Lemète Zéphyr 107

    Dezyèm pati Deskripsyon, aplikasyon kreyòl la

    nan divès domèn ak politik lengwistik (131-299) mEn Anpil, chAy pA lou : An nou sèvi Ak lAng krEyòl lA pou bonjAn EdikAsyon Ak rEchèch Ann Ayiti Michel Degraff 133

    plEdmAn pou yon nòmAlizAsyon lAng krEyòl lA nAn kAd yon AmEnAjmAn lEngwistik : yon AkAdEmi lAng pA blijE fè trAvAy nEgAtif Nicolas André, M.A. 167

    konpòtmAn lEksiko-sEmAntik Ak fonolojik mo krEyòl AyisyEn prEtE nAn Anglè Ak nAn EspAnyòl : koumAn AkAdEmi An kApAb rEyAji dEvAn yon EspEryAns konsA ? Renauld Govain 177

    trAdiksyon bib lA An krEyòl Monseyè Pierre-Antoine Paulo 203

    trAvAy lEgliz kAtolik nAn bAtAy pou pwogrè lAng krEyòl lA William Smarth 207

    AK KOLOK 15 avril 2013.indd 6 4/16/2013 1:18:56 PM

  • 7Tab maTyè yo

    pwomosyon Ekri nAn lAng krEyòl AyisyEn An : pou ki sA Epi koumAn ? Frenand Léger 213

    Aksyon AlEvini krEyòl – tEk Jean-Marie Raymond Noël 231

    krEyòl AyisyEn An Ak tEknoloji « u|slic inimA lojisyèl » Pascal et Lionel Audant 239

    sipò krEyòl pou lAngAj mAtEmAtik Pierre-Michel Chéry 251

    dEs Actions pour rEnforcEr l’Accès dEs locutEurs du créolE hAïtiEn Aux progrès intEllEctuEls, tEchniquEs Et sciEntifiquEs Rochambeau Lainy 271

    krEyòl Ak lAsyAns Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj) 295

    Twazyèm pati Kreyòl, edikasyon, literati, idantite ak relasyon entènasyonal (301-414)

    pwoblèm lAng krEyòl AyisyEn An nAn kEsyon EntEgrAsyon nAsyonAl lA Michel Hector 303

    pwoblèm lAng Enstriksyon Ann Ayiti : yon Etid EtnogrAfik sou lAng Ak EdikAsyon Ann Ayiti Marky Jean Pierre, Doktè nan Syans Edikasyon 333

    konsEkAns vAlorizAsyon krEyòl nAn rElAsyon EntènAsyonAl : EspEryAns 1940-1960 Wien Weibert Arthus 353

    plAs litErAti dwE jwE nAn dEvlòpmAn pèp AyisyEn An Manno Ejèn 367

    AK KOLOK 15 avril 2013.indd 7 4/16/2013 1:18:56 PM

  • 8 AkAdemi kreyòl Ayisyen : ki pwoblèm ? ki AvAntAj ? ki defi ? ki Avni ?

    kominotE, idAntitE Ak dwA lEngwistik kolEktif krEyòl Jean-Robert Placide 377

    nEsEsitE Ak idAntitE : bEzwEn pou pwodiksyon Ekritoryèl nAn lAng AyisyEn Eddy Toussaint (Tontongi) 389

    ExpEriEncEs à cubA AvEc lE créolE hAïtiEn Isabel Martínez Gordo 407

    Rezime kèk tèks ki pa pibliye (417-421) sAntE Ak konEsAns kò fAnm nicolE mAgloirE 415

    fòmAsyon sou lAsyAns vEtErinè An krEyòl Rosanie Moïse-Germain 416

    An n brAsE lidE pou n mEtE yon politik trAdiksyon sou pyE nAn pEyi A Jacques Pierre 419

    konklizyon Fritz Deshommes 423

    prEzAntAsyon otè yo 429 lis pèsonAlitE ki tE prAn lApAwòl nAn kòlòk lA 435 lis kolAborAtè yo 437

    AK KOLOK 15 avril 2013.indd 8 4/16/2013 1:18:56 PM

  • Entwodiksyon

    Akademi Kreyòl Ayisyen an : pou kreyòl la jwenn plas li nan peyi a

    Renauld Govain Pwofesè

    Inivèsite Leta d Ayiti [email protected]

    Nan yon kominote plirileng, rapò lang yo genyen youn avèk lòt konn mennen Leta devlope yon pwosesis regilasyon nou rele politik lengwistik ki pèmèt nou chèche ekilibre pratik sosyal ki genyen rapò avèk pratik lengwistik yo. Desizyon Konstitisyon 1987 la ki kreye Akademi kreyòl ayisyen an enskri nan kad politik lengwis- tik sa a. Nou va defini konsèp sa a pi devan. Atik 213 Konstitisyon 1987 la yo kenbe nan vèsyon amande a endike : « Yo mete yon Akademi ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kapab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans ». E nan kad demach pou tabli enstitisyon sa a pou bay fonksyònman kreyòl ayisyen an jarèt, Inivèsite Leta Ayiti òganize yon kòlòk sou tèm « Akademi Kreyòl Ayisyen : ki pwoblèm? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ? ». Kòlòk la te fèt soti 26 rive 29 oktòb 2011 nan Pòtoprens. Kòlòk sa a se te yon okazyon pou divès kòlèg nan divès disiplin syantifik (lengwistik, literati, tradiksyon, sosyoloji, filozofi, syans edikasyon, relasyon

    AK KOLOK 15 avril 2013.indd 9 4/16/2013 1:18:56 PM

  • 10 AkAdemi kreyòl Ayisyen : ki pwoblèm ? ki AvAntAj ? ki defi ? ki Avni ?

    entènasyonal, antwopoloji, jesyon, teyoloji, alfabetizasyon, elatriye) prezante kominikasyon sou rechèch yo ap mennen sou lang kreyòl la epi sou jan yo swete Akademi an fonksyone.

    Ki enpòtans yon enstitisyon konsa kapab genyen pou pratik lengwistik jeneral kominote lengwistik ayisyen an ? Ki enfliyans pozitif li kapab genyen sou fonksyònman lang kreyòl la oubyen ki wòl li kapab jwe nan fonksyònman lang nan ? Ki mòd gouvènans yo ta dwe bay yon enstitisyon konsa ? Ki sèvis esperyans akademi ki egziste deja (pou yon seri lang tankou franse, espànyòl ak italyen) rann fonksyònman lang ewopeyen sa yo ? E ki jan Akademi kreyòl ayisyen an ta kapab tire leson nan esperyans sa yo ? Men, chak esperyans akademi sa yo gen feblès pa yo nou pa dwe imite !

    Sa se kèk kesyon nou va jwenn repons pou yo nan tèks nou rasanble nan volim sa a. Se yon seri enfòmasyon ki nesesè pou klarifye paske si nou pa byen defini ki sa nou vle nan Akademi pa nou an, ki jan li dwe fonksyone, ki jan pou li ta aji sou pratik lang nan, ki mwayen li dwe bay tèt li pou li byen ranpli gwo misyon li genyen nan sosyete a, enstitisyon an gen dwa fè plis mal pase byen si nou pa jwenn bonjan repons klè pou kesyon sa yo ! Nou pati sou lide yon akademi pa la pou endike popilasyon an ki jan pou li pale. Li pa la nonplis tankou lapolis ki pou fòse moun adopte yon seri fòm pale espesifik. Li pa la pou envante yon lang yon popilasyon ap pratike depi anviwon twa syèk…

    Kreyòl ak politik lengwistik an Ayiti Jan Dictionnaire de didactique du français langue étrangère et seconde (2003 : 196-197) presize sa, politik lengwistik se yon seri chwa yon Leta elabore sou baz pratik lengwistik kominote li avèk lakilti ki marye ak pratik lengwistik sa yo. Politik lengwistik la defini objektif jeneral (plas ak fonksyon lang yo, wòl zouti yo nan domèn edikasyon, fòmasyon, enfòmasyon ak kominikasyon, ets.). San nou pa pran desizyon Leta yo an konsiderasyon, tout politik lengwistik dwe pran rasin nan yon analiz serye diferan sitiyasyon (sosyolengwistik, sosyopolitik, sosyo-ekonomik ak sosyokiltirèl) anmenmtan li sèvi ak yon apwòch ki vize avni lang yo nan sosyete a.

    AK KOLOK 15 avril 2013.indd 10 4/16/2013 1:18:56 PM

  • 11EnTrodiksyon

    Li dwe konsidere tout kalite lang yo pratike nan peyi a kit se lang natifnatal kit se lang etranje. Selon Louis Porcher et Violette Faro- Hanoun (2000 : 6) « Yon politik lengwistik se aksyon yon kominote mennen pou byen devlope difizyon lang li yo selon objektif li fikse pou sa ». Pou otè sa yo, Leta dwe defini yon politik lengwistik, sètadi yon objektif li vize pou lang nasyonal li yo ak lang etranje ki prezan nan kominote… Nan dwat liy objektif sa yo, Leta devlope yon seri mwayen ofisyèl li mete an plas, yon seri mwayen li ankouraje oubyen li pwopoze pou li rive kote li swete rive a. Anfen, menm Leta sa a dwe devlope yon seri mwayen pou li kapab evalye aksyon li ak desizyon li ap pran yo.

    Politik lengwistik la se yon mwayen ki pèmèt Leta jere sitiya- syon plirileng yo. Men genyen yon faz ki pi enpòtan toujou yo rele planifikasyon lengwistik. Nan sans sa a, L.-J. Calvet (1998 : 111) ekri : « politik lengwistik la se yon seri chwa konsyan ki konsène rapò ant lang yo avèk lavi sosyal la epi planifikasyon lengwistik la se faz konkrè ki pèmèt yo mete politik lengwistik la an aksyon ». Otè a raple no