kalandriye aktivite mwa lang ak kilti kreyòl 2017

4
AKADEMI KREYÒL AYISYEN (AKA) Kalandriye aktivite Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2017 Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan kolaborasyon ak Ministè Kilti, ak tout lòt patnè li yo mete ak sipò UNESCO ap reyalize yon mwa aktivite soti lendi 2 oktòb rive 31 oktòb 2017 pou selebre lang ak kilti kreyòl. Tèm ane 2017 lan se: « Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou tout kote san baboukèt ! ». Nan okazyon sa a, AKA ansanm ak patnè li yo ap pwofite fè pwomosyon pou premye rezolisyon ki soti sou òtograf lang kreyòl la pandan l ap fè sansiblizasyon pou respè ak valorizasyon kilti lokal, dwa lengwistik ak kiltirèl nan tout sektè sosyete a. Ane sa a, Akademi an ap pibliye an kolaborasyon ak MENFP ak UNESCO de (2) dokiman an kreyòl sou « Jesyon Ris ak Dezas ». Nan lide sa a, AKA rasanble kèk pwen k ap chapante aktivite yo : - Deba sou bilengwis, nan lekòl ak nan inivèsite a sou wòl, misyon ak estati Akademi Kreyòl Ayisyen / vilgarizasyon premye rezolisyon sou òtograf la ; - Fòmasyon pou pwofesè kreyòl (didaktik lang matènèl); - Promosyon liv ak lòt dokiman ki ekri an kreyòl; - Akourajman ak valorizasyon kilti lakay / Sansibilizasyon sou dwa lengwistik ak kiltirèl; - Manifestasyon syantifik, literè, kiltirèl nan lang kreyòl ; - Aktivite sosyokiltirel tout enstitisyon patnè Akademi kreyol Ayisyen pandan tout mwa oktòb la.

Upload: communicationht

Post on 24-Jan-2018

393 views

Category:

News & Politics


11 download

TRANSCRIPT

Page 1: Kalandriye aktivite Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2017

AKADEMI KREYÒL AYISYEN (AKA)

Kalandriye aktivite Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2017

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan kolaborasyon ak Ministè Kilti, ak tout lòt patnè li yo mete ak sipò UNESCO ap

reyalize yon mwa aktivite soti lendi 2 oktòb rive 31 oktòb 2017 pou selebre lang ak kilti kreyòl. Tèm ane 2017 lan se:

« Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou tout kote san baboukèt ! ».

Nan okazyon sa a, AKA ansanm ak patnè li yo ap pwofite fè pwomosyon pou premye rezolisyon ki soti sou òtograf lang

kreyòl la pandan l ap fè sansiblizasyon pou respè ak valorizasyon kilti lokal, dwa lengwistik ak kiltirèl nan tout sektè

sosyete a. Ane sa a, Akademi an ap pibliye an kolaborasyon ak MENFP ak UNESCO de (2) dokiman an kreyòl sou

« Jesyon Ris ak Dezas ».

Nan lide sa a, AKA rasanble kèk pwen k ap chapante aktivite yo :

- Deba sou bilengwis, nan lekòl ak nan inivèsite a sou wòl, misyon ak estati Akademi Kreyòl Ayisyen / vilgarizasyon

premye rezolisyon sou òtograf la ;

- Fòmasyon pou pwofesè kreyòl (didaktik lang matènèl);

- Promosyon liv ak lòt dokiman ki ekri an kreyòl;

- Akourajman ak valorizasyon kilti lakay / Sansibilizasyon sou dwa lengwistik ak kiltirèl;

- Manifestasyon syantifik, literè, kiltirèl nan lang kreyòl ;

- Aktivite sosyokiltirel tout enstitisyon patnè Akademi kreyol Ayisyen pandan tout mwa oktòb la.

Page 2: Kalandriye aktivite Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2017

AKADEMI KREYÒL AYISYEN (AKA)

No Dat / Lè / Lokal Aktivite Moun kontak 1

Lendi 2 oktòb, 9è30 am

Ministè Kominikasyon (Bois-Verna)

Konferans pou Laprès (Nan kad « Les lundis de la presse ») Akademi Kreyòl Ayisyen / Ministè Kilti

Akademi Kreyòl Ayisyen 3333-0815 /3333-0816 / 2817-5964 / 2817-5965

2

Madi 3 oktòb, 10è00 am, Lokal: lekòl Marie Esther ( turgeau)

« Madi liv kreyòl » vant siyati / ekspozisyon ak konferans Entèvenan: Lyonel Trouillot, Jean Pauris Jean Baptiste Ak Direksyon Nasyonal Liv – Akademi Kreyòl Ayisyen

Derlie Celestin 33-33-0816

3

Jedi 5 oktòb, 2è pm, nan lakou BNE

Fim etnografik sou tèm : “kèk reyalite nan milye peyizan Ayisyen an” ak Mesye Louis M. Lecoin. animasyon: Pwojeksyon fim SONSON, Jean Claude Bourjolly

Madam Carine Victorin 38-15-47-01

4

Vandredi 6 oktòb

4è30è pou 7è30 pm Nan Jaden MUPANAH sou chanmas

Lansman ofisyèl aktivite mwa lang ak kilti kreyòl 2017 Diskou ofisyèl / Aktivite kiltirèl Akademi Kreyòl Ayisyen / Ministè Kilti

Rodline Chéry : 416-424-61 33 33 0815 Anivince Jean Baptiste : 47-30-07-14

5

Dimanch 8 oktòb, 5è pm ( antre lib) lokal Teyat Nasyonal

Konsè mizik avèk Òkès Filamonik/Seksyon Big Band Teyat la Mesye Ansito – 36-4351-01 Augustin Alin- 47-72-9890

6

Lendi 9 oktòb, 10è-rive midi, lokal IERAH/ ISERS

Konferans/ deba sou tèm : « Pwodiksyon memwa inivèsite nan lang kreyòl » Entèvenan : Daniel Sinéus (UEH) / Lidya Bradford (Duke University)/ Wilber Baguidy (UEH) --- Remiz plak

Mesye Jean Rony Beaucicault. – 33-46-66-64

7

Soti 9 pou rive 13 oktòb nan plizyè lekòl

konkou tèks kreyòl nan lekòl yo Sekreteri Leta Alfabetizasyon

Madam Guerty Frena (SEA) 37-70-54-86

8

Madi 10 oktòb, 10è am Lokal: Lise Petyonvil

« Madi liv kreyòl » vantsiyati / ekspozisyon ak konferans Ak Direksyon Nasyonal Liv – Akademi Kreyòl Ayisyen

Derlie Celestin 33-33-0816

9

Madi 10 oktòb, 10èam Nan lakou BNE

Lekti piblik ak Jean Junior Théodore sou tèm : “ Listwa nou nan lang nou”. Animasyon Lekti tèks « Ti dife boule sou istwa Ayiti », Michel Rolph Trouillot

Madam Carine Victorin 38-15-47-01

10 Mèkredi 11 oktòb, 3è20pm nan lekòl Marie-Anne (Bourdon)

Konferans – deba / vantsiyati / ekspozisyon liv Entèvenan : Akademisyen Pierre Michel Chéry

Derlie Celestin 33-33-0816

Page 3: Kalandriye aktivite Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2017

AKADEMI KREYÒL AYISYEN (AKA)

11 Jedi 12 oktòb, 10èam rive 4èpm, nan lokal EFACAP ( Tigwav)

Konferans sou tèm “ Woman Kreyòl”, entèvenan: Pierre Michel Chery Kozri sou pwezi kreyòl ak sou liv ZO KANZO. Entèvenan : Anivince Jean Baptiste

Rodline Chéry : 416-424-61 33 33 0815 Anivince Jean Baptiste : 47-30-07-14

12

Soti 3 rive 31 oktòb nan Lekòl leta & prive

Konferans - deba nan (lise ak kolèj) sou tèm « Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou tout kote san baboukèt ! ». ak tèm sosyolengwistik Atelye lekti ak ekriti ak distribisyon liv kreyòl sou « Jesyon Ris ak Dezas » AKA/UNESCO

Derlie Celestin 33-33-0816

13 Mèkredi 18 oktòb, 11è am Nan lakou BNE

Dyalòg kiltirèl ak Lyonel Trouillot sou tèm: “Jwèt baton e patrimwan kiltirèl imateryèl “ animasyon: Dyaloge ak atis sou pwodiksyon nan lang kreyòl

Madam Carine Victorin 38-15-47-01

14 Mèkredi 18 oktòb, 2èpm nan lokal lise des Jeunes Filles

Konferans – deba / vantsiyati / ekspozisyon liv APKA (Asosyasyon Pwofesè Kreyòll Ayisyen)

Derlie Celestin 33-33-0816

15

Vandredi 20 oktòb, Nan lakou BNE

“Fwa manje kreyòl” ak konferans/deba, ekspozisyon zafè pèsonèl Moris Sisto Prezantasyon jwèt “Scrabble “ an kreyòl ak Sekreteri Leta pou Alfabetizasyon

Madam Gertrude Séjour- 34-49-35-83 Madam Guerty Frena (SEA) 37-70-54-86

16

Vandredi 20 oktòb, 5èpm ( antre 100 goud) nan lakou Teyat Nasyonal

Reprezantasyonpyès teyat " KREYASYON» Mesye Ansito – 36-4351-01 Augustin Alin- 47-72-9890

17

Vandredi 13 oktòb, a 11è am , lokal:J/HRO delmas 32 ri Krepsak

Konferans sou tèm: Wòl enpòtans ak misyon Akademi Kreyòl Ayisyen nan peyi a. konferansye: Akademisyen Gérard Marie Tardieu / Pierre Michel Chery

Mesye Fécius Junior Félix, Kòdonatè Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti , 38-22-10-31/ 36-36-40-36

18

Vandredi 20 oktòb, 9è am rive 3è pm nan IERAH / ISERS

Jounen refleksyon sou lang ak kilti kreyòl brase lide sou zèv: Felix Moriso Leroy, Moris Sixto, Pierre Vernet, Suzanne Commère Sylvain Akademi Kreyòl Ayisyen / Asosyasyon Vag Literè Entèvenan: Herby Glaude, Jean René Fils, Dominique Batraville, Edson Otilien

Monsieur Nelson Martineau - 3333-7749

19 Samdi 21 oktòb, 10è am, nan lokal BNE

Konferans sou tèm “ Yon lòt koutje sou Vodou Ayisyen an: Lang ak Kilti Kreyòl”, entèvenan: Erol Josué ak Pierre Michel Chéry

Anivince Jean Baptiste : 47-30-07-14

19

Madi 24 oktòb, 10è am rive 1è pm nan lokal IERAH / ISERS

Jounen refleksyon sou lang ak kilti kreyòl Akademi Akademi Kreyòl Ayisyen / Asosyasyon Vag Literè Entèvenan : Dominique Batraville

Monsieur Nelson Martineau - 3333-7749

Page 4: Kalandriye aktivite Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2017

AKADEMI KREYÒL AYISYEN (AKA)

20

Madi 24 oktòb, 10è00 am, lokal: ………..

« Madi liv kreyòl » vantsiyati / ekspozisyon ak konferans Ak Direksyon Nasyonal Liv – Akademi Kreyòl Ayisyen

Derlie Celestin 33-33-0816 / DNL- 48-90-31-35

21

Vandredi 27 oktòb, 2è pm, nan lakou BNE

Vandredi Syantifik : sou tèm : « Evolisyon lang kreyòl la pou rive nan pale bolit la » ak Dr Renauld Gauvin, Pwof Guy Gérald Ménard. Animasyon: Konferans

Madam Carine Victorin 38-15-47-01

22

Vandredi 27 oktòb, 10è am rive 4è pm, nan Lise Petion- Ville

Jounen jwèt Kreyòl – Fondasyon Moris Sisto

Madam Gertrude Séjour 34-49-35-83

23

Samdi 28 oktòb, 5è pm (antre 100 goud) Nan lakou Teyat Nasyonal

Espektak Dans"SEREMONI" Mesye Ansito – 36-4351-01 Augustin Alin- 47-72-9890

24 Brooklyn College (SUBO), The City University of New York 26 -28 oktòb 2017 Oktòb 26-28, 2017

Senpozyòm 2017 Lang Kreyòl ak Kilti Ayisyen Tèm: Devlopman Lang Kreyòl ak Kilti Ayisyen nan Dyaspora Pou enskripsyon, email: [email protected]

Madam Lily Cenat (347) 4268475 Menes Dejoie ( 917) 538 6130

25 Vandredi 25 rive 27 nan depatman Nò

Konferans - deba /atelye lekti ak ekriti Ak distribisyon liv kreyòl sou « Jesyon Ris ak Dezas ( Okap, Fòlibète, Wanament, Limonad, ak nan CLAC yo)

Asosyasyon Pwofèse Kreyòl nan Nò ak nan Nòdès. Madam Dieudonne Celestin - 36 51 37 57

26 27 rive 28 oktòb, , Palè San Sousi 27 okt: 9èam rive 2èpm 28 okt: 9è am rive 1èpm

Espozisyon materyèl Alfabetizasyon ak liv kreyòl

Madam Guerty Frena (SEA) 37-70-54-86

27

Samdi 28 oktòb, 40è3è pou rive 7è30 pm Palè San Sousi , Vil Milo

Seremoni ofisyèl selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl pou klotire mwa kreyòl

Komite rejyonal Okap Akademi Kreyòl Ayisyen

28 30 oktòb rive 3 novanm , Nan depatman Nò, Nòdès, Wanament ( Okap)

Fòmasyon pou Pwofesè Kreyòl ak kolaborasyon MENFP, AKA ak sipò UNESCO

Madam Julsaint Mideline – 32-72-24-47