sèvis gerizon divin - byenvinihaitiancreolebcp.org/haitian_creole_bcp/byenvini_files/...rév. Élie...

12
Diocese of New York St. Augustine of Hippo Episcopal Church 286-290 Henry Street New York, NY 10002 Office: (212) 673-5300 Fax : (212) 673-5201 «Se lafwa nou ki fè n rive la a» Sèvis Gerizon Divin Ti tradiksyon an Kreyòl sa a se pou rekonèt de potorik gason Pè St Clair Roger Dèsir & Pè Élie Charles Yo pase vi yo ap travay pou fè pwomosyon Kreyòl

Upload: nguyennguyet

Post on 28-Apr-2019

216 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Diocese of New York

St. Augustine of Hippo Episcopal Church

286-290 Henry Street New York, NY 10002

Office: (212) 673-5300 Fax : (212) 673-5201

«Se lafwa nou ki fè n rive la a»

Sèvis Gerizon Divin

Ti tradiksyon an Kreyòl sa a se pou rekonèt de potorik gason

Pè St Clair Roger Dèsir & Pè Élie Charles Yo pase vi yo ap travay pou fè pwomosyon Kreyòl

2

Mission Statement St. Augustine of Hippo Episcopal Church is a Christ-centered ministry where eve-

ryone is invited and welcome. We are a loving Christian body that seeks to en-

hance spirituality and community. We confirm this by developing ministries that

empower the mind, body and soul. We are nurtured through service to others and

one another.

Rév. Saint Clair Roger Désir, se yon pè Ayisyen ki travay tout

lavi l anba banyè dyosèz Ayiti. Li pase plizyè legliz nan peyi a: Sen Matyas Mibalè, Sen Toma Lakayè, Katedral Sent Trinite Pòtoprens, Sentinosan Pòdpe, Redanmsyon Gonayiv, Sen Maten Dèlma, Sen Jak Petyonvil, li trav-ay tou nan peyi etranje Etazini ak an Afrik. Li bay kou nan seminè epi li fè pati plizyè groupman ak komite ki travay an Ayiti kou nan peyi lòtbò dlo. Pi gwo travay li fè ki kaponnen m se mete ak moun ki save nan labib, pou tradi “Bib La” an kreyòl. Se li ki tradi ak revize divès vèsyon, ladan yo, liv apokrif yo. Li se yon egzanp ak yon enspirasyon pou mwen paske m’ap gade travay li depi mwen piti. Se yon moun mwen toujou eseye imite ni nan chèlbè litijik li, gason an byen kanpe, ni nan konpetans pou travay ak lang. Jodi a li se yon grandèt plis pase katreven lane ki ekri plizyè liv, ki dirije plizyè rechèch ak piblikasyon, e ki konnen ti istwa legliz Ayiti a nan tout ti detay ki egziste. Li te aktif anpil nan mouvman ekimenik kote tout legliz met tèt ansanm pou

Rév. Élie Charles se yon pè Ayisyen, natif natal Gwo Mòm Gonayiv ke mwen te

renmen rele «Tig la» akòz jès li te konn fè ak men l, lè l ap pale. Elie bay sèvis li nan plizyè legliz nan dyosèz Ayiti a: Sen Toma Lakayè, Sent Kwa Leyogan, elatriye. Gwo pwofesè Istwa Legliz nan seminè teyoloji a, Pè Éli te kolabore ak Rev. Newton Carlyle Spitz pou te pwodi Manje Granmèt La, premye tradiksyon an Kreyòl sèvis lakominyon ki nan Livre de la Prière Commune. Se youn nan materyèl ke m te sèvi lè m t’ap fè adaptasyon ke mwen mete sou entènèt la ki rele Liv Lapriyè Ansanm (LILA). Elie se premye pè mwen kontre ak yon chemiz karabela sou li, djakout li anba bra l. Li te gen yon bezwen pou fè tout moun santi se Ayisyen li ye. Elie pa t wont orijin li ni idantite li. Malgre li pale plizyè lang, se kreyòl pale a li te vle moun konprann. Pè Élie toujou gen yon blag pou rakonte pou fè moun konprann pawòl Bondye a pi byen. Nan legliz Pè Élie pase, tanbou, graj, tchatcha, kata, rèn chantrèl te prezan pou bay Bondye glwa malgre sa lang long t’al rakonte Monseyè. Pè Élie te gen lafwa se pa chemen Vodou li t’ap pratike men rasin Ginen se rasin Ayisyen. N’ap pwofite wete chapo nou byen ba devan madanm li Anne Marie Jamine Pierre ak pitit fi li Jamine Charles Merilien, mèsi pou bourad yo bay ministè Pè Élie. San sipò yo li pa ta ka reyisi tout bèl travay li fè pou legliz. N’ap kontinye rapousiv travay la avèk detèminasyon n’a wè ankò lè tou pa nou va rive, pou nou rive Grantoryan nèt ale a.

travay fè pawòl Bondye a rive tout kote. Se te bon zanmi Papa m, ki fèt 10 out, Pè Désir fèt 12 out 1929. Yo tou de travay ansanm pou fè zèv Bondye a mache. Se youn nan gwo poto mitan, yon memwa san parèy legliz genyen. Mwen vle pi-blikman ran temwayaj pou li paske mwen se yon apranti k’ap suiv bann vanyan gason sa yo. Mwen vle di mèsi tou ak madanm li Mathilde Joseph (Ti Da), Pitit li yo: Jean Marc ak Roger Emmanuel ki konsanti gwo sakrifis pataje Pè Désir avèk legliz. Li pa t’ap ka fè tout sa li fè si l pat gen sipò yo. Nou bat yon vonvon lakontantman ak de men nou, de pye nou, pou di yo tout mèsi.

3

Yon sèvis gerizon divin ki louvri bay tout moun

Se pou nou avèti Pè Legliz la depi nou aprann gen manm kominote a ki malad.

Yon dyak oswa yon layik ka dirige premye pati sèvis sa a

Lè nou vle pase lwil sou tèt moun (onksyon) pandan Sèvis Gerizon Divin lan, li ta bon pou n fè sa avan Sèvis Lakominyon. Li ta bon pou l fèt avan nou bay lapè.

Men kijan moun k’ap dirije sèvis la ka kòmanse

dirijan: Se pou Bondye, ki fè pa nou nan Jezikri Seyè nou, layite lapè li sou nou tout.

All Sou wou menm tou. dirijan: Annou lapriyè.

Bondye ki bay kè poze, ou montre nou lè nou tounen vin jwenn ou, lage kò nou nan men w, ou ka sove n, ou ka bann fòs ak kouraj pou travèse pwoblèm lavi a: Tanpri souple, pa pouvwa Lesprisen an, mete nou kanpe nan prezans ou kote nou ka djanm epi rekonèt ou se Bondye nou; N’ap mande sa nan non Jezikri Seyè nou, ki ansanm ak ou ansanm ak Lesprisen an, viv ak veye sou tout bagay, tankou yon sèl Bondye, pou tout tan ak tout tan. Amèn.

Leson yo

La a nou ka li youn oswa plizyè leson ki prevwa nan kalandriye litijik la. Nou oblije li levanjil pou jou a nan sèvis sa a.

Apre levanjil la fin li yon moun ka preche, ofri yon meditasyon oswa fidèl yo ka diskite antre yo sou leson yo.

Litani (Lapriyè) Gerizon Divin la

dirijan: Annou leve non moun ki ap tann gerizon yo devan Bondye.

Moun ka nonmen non moun yo vle nan kè yo oswa yo ka di non yo pou tout moun tande.

Bondye Papa, ou vle tout moun sove, ou vle tout moun an sante; N’ap fè lwanj pou di wou mèsi pou sa, Seyè.

Bondye Pitit la, ou vini pou tout moun ka gen lavi, yon lavi san limit; N’ap fè lwanj pou di wou mèsi pou sa, Seyè.

Lesprisen Bondye a, ou fè kò nou tounen yon kote ki apa pou rete; N’ap fè lwanj pou di wou mèsi pou sa, Seyè.

Bondye ki twa nan youn, Se nan wou nou viv, se nan wou nou egziste; N’ap fè lwanj pou di wou mèsi pou sa, Seyè.

4

Seyè, tanpri pran ka tout moun ki malad, moun k’ap soufri, oswa ki domaje; geri tout maladi y’ap soufri; Seyè ki mèt lavi, koute lapriyè nou.

Bay moun k’ap chache wout ou, tout moun k’ap enkyete, sa ki poukont yo oswa ki dezespere, konesans pou yo konn sa w vle, fè yo reyalize ou kanpe avèk yo; Seyè ki mèt lavi, koute lapriyè nou.

Repare tout relasyon k’ap kraze, fè moun ki gen pwoblèm santimantal ak sa ki twouble nan lespri yo jwenn solisyon ka soulaje kè yo ak nanm yo; Seyè ki mèt lavi, koute lapriyè nou.

Lage benediksyon sou doktè yo, enfimyè yo ak tout lòt moun ki bay moun malad swen. Ba yo konesans ak sajès, konpasyon ak pasyans; Seyè ki mèt lavi, koute lapriyè nou.

Ede moun k’ap mouri yo jwenn kè poze nan yon lamò san soufrans, kenbe sa k nan lapenn yo nan de pla men Lesprisen an ki ka console tout lapenn; Seyè ki mèt lavi, koute lapriyè nou.

Rekole tout sa peche kraze nan lavi moun, nan peyi isit kou lòtbò dlo, toupatou moun ap viv; Seyè ki mèt lavi, koute lapriyè nou.

Ou se Seyè ki ka fè bèl mèvèy: Ou montre tout moun ki sa wou ka fè.

Se nan wou, Seyè, sous lavi a koule: Se nan limyè pa w nou wè aklè.

Seyè ki mèt lavi, koute lapriyè nou: Geri nou, sòti nan tèt rive nan zòtèy.

La a nou ka fè silans

Moun k’ap dirije a ka di lapriyè sa a oswa nenpòt moun ka fè yon priyè pou fini litany an

Annou lapriyè

Bondye ki gen pouvwa sou tout bagay, wou ki bay lavi ak lasante: Layite be-nediksyon w sou tout moun ki malad ak sou tout moun k’ap okipe yo; pou tout feblès ka pèdi batay la devan pouvwa gerizon Pitit ou, Jezikri; Li menm k’ap viv, ki rwa, k’ap pwoteje tout bagay pou tout tan nèt ale. Amèn.

5

Konfesyon:

Annou konfese peche nou fè kont Bondye ak kont pwochen nou.

N’ap fè yon ti silans (pou pran tan sonje sa nou fè ki mal epi leve yo bay Bondye)

Bondye ki chaje ak pitye Nou konfese nou fè peche kont ou Nan sa nou panse, sa nou di ak sa nou fe Nan mal nou fè ak byen nou bliye fè. Nou pa t renmen w ak tout kè nou, Nou pa t renmen pwochen nou jan nou renmen tèt pa nou Nou regrèt sa anpil, nou repanti pou sa Tanpri souple, granmesi Jezikri, Gen pitye pou nou, padonnen nou Konsa, nou va fè sa ou vle nou fè, Nou va mache nan wout ou Pou fè lwanj pou non w. Amèn.

Nou ka di lwanj sa a:

Sovè tout moun, se sou bwa kwa a san w te koule pou sove nou; Sove nou ak ede nou, nou priye w an gras, Seyè nou.

Moun k’ap dirije a va bay benediksyon sa a

Se pou Seyè ki gen pouvwa sou tout bagay la, li menm ki kanpe tou pare pou defann tout moun ki kwè nan li, li menm ki gen respè nan men tout sa ki nan syèl, sou latè oswa anba tè a, tounen defans nou tout! Se pou li fè nou santi ak konnen gen yon sèl non anba syèl la ki ka sove nou ak ba nou lasante se non Seyè nou Jezikri. Amen.

Nan moman sa a, moun ki vle resevwa lwil sou tèt yo (onksyon) ka vanse. Moun k’ap dirije sèvis la ka itilize youn nan priyè sa yo pandan li fè mak yon kwa sou fwon yo ak gwo pous ki te tranpe nan lwil la. Nonmen non moun lan nan plas entèl...

Entèl, Mwen mete menm sou wou nan non Papa a, Pitit la, ak Lesprisen an, m’ap man-

de li pou yo toujou kanpe bò kote w pou ba w sipò, pou li we te depi se maladi ki nan kò oubyen nan lespri w, pou li ba w viktwa sou yo ak kè poze ki va ba w mwayen pou sèvi li depi kounye a jouk sa kaba. Amèn.

Oswa

Entèl, Mwen mete menm sou wou [ mwen pase lwil sou fwon wou ] nan non Seyè ak

Sovè nou Jezikri, pou mande li kenbe wou djanm, epi fè w gras pou tout peche w fè; kon-

6

sa, ou va rekonèt kijan li renmen w anpil, lè sante li bay la va blayi sou wou. Amèn.

Yon pè ka di priyè sa a

Jan mwen pase lwil sou deyò fwon ou, se pou Papa nou ki nan syèl la fè gras Lespris-en an ranpli anndan kò w. Li va padonnen tout mal ou fè, wete tout soufrans ou, geri w depi nan tèt rive nan zòtèy, l’a ba w plis fòs jou apre jou. Se pou l delivre w anba sa ki mal, fè w rete nan chemen ki dwat epi dirije w sou wout lavi nèt ale a; pa pouvwa Jezikri Granmèt nou. Amen.

Lapè

Se pou kè poze Granmèt la layite sou nou tout Sou wou menm tou.

Ofètwa.

Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te ren-men nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li. (Efèz 5:2)

Gwo Lapriyè pou di Bondye Mèsi

Selebran-an Granmèt la avèk nou tout.

Tout moun Li avèk oumenm tou.

Selebran-an Annou leve kè nou byen wo.

Tout moun Pou yo ka rive devan Granmèt la.

Selebran-an Annou di Bondye Granmèt nou mèsi.

Tout moun Ala bon sa bon pou nou ta fè sa.

Apresa selebran an vire fas li bay lotèl la pou li kontinye

Wi se sa menm. Li bon, li fè kè nou kontan pou n’ di w’ mèsi tout tan ak toupatou, Pa-pa ki gen tout pouvwa, oumenm ki fè syèl la ak tè a.

La-a selebran ka di yon prefas ki bon pou dimanch oswa pou sezon an jan sa dwe fèt.

Paske se nan ou ni limyè ni lavi sòti; ou fè nou pou nou sanble ak ou, an menm tan ou rele nou pou nou viv yon lavi tou nèf nan Jezikri Granmèt nou.

Lavan Paske ou voye Pitit gason ou renmen anpil la, pou li fè nou chape poul nou anba peche ak lanmò, konsa, nou vin eritye lavi nèt ale a granmesi li. Pou lè li va tounen nan tout pouvwa li pou jije tout moun, nou ka fè fèt ak gwo banbòch san nou pa ni wont, ni jennen.

7

Bondye tounen moun / Enkanasyon / Bondye pran chè Paske ou te bay Jezikri, sèl grenn Pitit gason w lan, pou li te tounen moun pou nou; Li fèt yon moun ki pa gen yon ti defo fabrik pa pouvwa Lespri sen an. Li sòti nan vant Mari, yon vyèj pou li kapab delivre nou anba jouk peche kote nou te esklav, konsa, nou resevwa favè pou n tounen pitit ou.

Lepifani Se nan mistè Pawòl ki tounen moun lan ou te fè yon limyè tou nèf limen byen klere nan kè nou pou te fè nou konnen ala bèl ou bèl depi nou gade figi Pitit ou Jezikri Granmèt nou.

Karèm Granmesi Jezikri Granmèt nou ki te kontre menm kalite tantasyon ak nou men ki pa t janm peche. Se granmesi li nou ka pote laviktwa sou sa ki mal epi nou pa blije viv pou tèt nou sèlman men pou li ki mouri nan plas nou men ki sòti byen vivan anba lanmò.

Se poutèt sa, n’ap fè lwanj pou ou. N’ap sanble vwa nou ak vwa zanj yo, ak vwa zanj an-chèf yo, ak vwa tout sèvitè w yo ki rasanble ak ou nan syèl la, pou yo chante san rete ochan sa a ki fè lwanj pou non w:

Sanctus & Benedictus

Asistans la ka rete kanpe oswa ajenou.

Se ou ki sen, Se ou ki sen, Se ou ki sen, Granmèt, Bondye ki gen pouvwa sout tout bagay, syèl la ak tè a chaje ak mèvèy ou. Konpliman pou Bondye anwo nèt nan syèl la.

Se pou moun k’ap vini nan non Granmèt la resevwa benediksyon! Konpliman ak bravo pou Bondye ki anwo nèt nan syèl la.

Apresa moun k-ap selebre a kontinye

Papa ki san parèy, Papa ki charitab : Nan lamou san limit ou gen pou nou, ou te kreye nou pou viv ak ou. Lè nou te chite epi tonbe anba reny peche, chenn ki fè nou esklav mal ak lanmò, se ou nan kè charitab ou, ki te voye Jezikri, yon sèl Piti gason ki viv nèt ale, pou li vin tounen yon moun, pou viv ak mouri tankou moun, pou fè ou sispann koupe fache ak nou, ou menm ki Bondye ak Papa tout moun.

Li louvri de bra l’ pou yo kloure l’ sou bwa kwa a, li ofri tèt li pou fè sa ou te vle, yon sakrifis ki san defo pou sove tout moun ala ronn badè.

Lè moun k’ap selebre a ap pale sou pen an, l’a manyen pen an oswa l’ap kenbe l’ nan men l’ oswa l’a mete men li sou li. Lè li rive sou pati ki pale de diven an, l’a fè menm bagay la tou pou godèt diven an os-wa tout lòt veso ki gen diven nan yo.

8

Nan lannwit yo te lage l anba men bouro l yo, pou yo fè l soufri jiskaske l mouri, Granmèt nou Jezikri te pran pen; lè li fin di w mèsi, li kase l fè plizyè moso, li bay disip li yo epi li di: “Pran, manje: pen sa a se kò mwen se pou nou tout m pral bay li. N’a fè sa pou nou sonje mwen.”

Lè yo fin manje, li pran gòdèt diven an; apre l fin di w mèsi, li pase l bay yo chak epi li di: “Se pou nou tout bwè diven sa a, li reprezante san mwen, lank ki siyen gaj tounèf Bondye pase ak tout moun, san ki pral koule pou tout moun, pou peche yo ka lave. Chak fwa n’a bwè la-dan l, n’a fè li, pou nou sonje mwen.”

Se poutèt sa, n’a piblye byen fò gwo mèvèy lafwa nou

Tout moun ansanm Kris te mouri Kris resisite Kris ap retounen

Moun k’ap selebre-a kontinye Se poutét sa, O Papa, n’ap fè fèt paske nou sonje jan ou delivre nou, nan sakrifis sa a n’ap ba w lwanj pou nou di w mèsi. Chak fwa nou vin ofri w kado sa yo, nou vle sonje yon fwa ankò, jan li te mouri, jan li soti nan lanmò byen vivan, ak jan li monte nan syèl la.

Mete yo apa, granmesi Lespri Sen an, pou yo ka tounen pou pèp ou a Kò ak San Pitit gason w lan, manje ak bwason nan yon lavi tounèf ki dire nèt ale. Mete nou apa pou ou tou, konsa, nou ka resevwa sakreman san parèy sa a, nou ka sèvi w tankou yon sèl kòt fanmi, san nou pa janm sispann, travay pou lapè. Lè dènye jou yo va rive, mennen nou ansanm ak tout sèvitè ou mete apa yo, nan kè kontan gouvènman w lan ki tabli pou tout tan an.

Nou mande w tout sa granmesi Jezikri Pitit ou. Se gras a li, ak li e nan li, nan tèt ansanm ak Lespri Sen an, ou jwenn tout lonè ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. AMEN.

Koulye a jan Granmèt la te montre nou lapriyè, annou di ansanm

Tout moun ansanm

Papa nou ki nan syèl la Respè anpil pou non w Vini tabli gouvènman w. Se pou volonte w fèt toupatou Kote moun ap viv.

Pen nou bezwen chak jou a Bannou li Jodi a Padonnen tout mal nou fè Menm jan n pran mezi n

9

Pou padonnen moun ki fè n mal tou. Kenbe nou nan tan eprèv yo Wete nou anba pouvwa mal.

Paske tout pouvwa Paske tout louwanj, tout glwa se pa w Depi tout tan ak pou tout tan. Amen!

Annou Kase Pen an.

(Alelouya.) Pak nou, delivrans nou se Kris la menm, yo sakrifye l pou nou deja. Se pou sa n’ap fè gwo fèt sa a. (Alelouya.)

Pè k’ap selebre a va bay tout moun fas pou envite yo konsa

Kado Bondye, pou pèp Bondye’a. Resevwa yo pou ka sonje Kris te mouri pou nou. Manje yo ak konfyans nan Bondye. Ann di’l mèsi anpil.

Lakominyon:

Lapriyè apre Lakominyon

Apre lakominyon an, moun k’ap selebre a di

Annou lapriyè

Bondye ki Bondye pou tout tan, Papa tout bon ki nan syèl la, ou te fè nou vin manb vanyan nan fanmiy Pitit ou a Jezikri. Ou te nouri nou ak manje Lespri ou te ban nou an, nan sakreman kò ak san Granmèt la. Kounye a voye nou kè poze nan lemond, ban nou fòs ak kouraj pou n’ renmen w’, pou n’ sèvi w’ ak kè kontan. O non Jezikri Granmèt nou. Amèn.

Chante ansanm: Mwen p’ap ale jan m vini an san m pa beni (bis)

Se repoze m vin repoze m, anba zèl Lesentespri, Mwen p’ap ale jan m vini an, san m pa beni. (Tout De Fwa)

Benediksyon Final

Si se yon dyak oswa yon layik l’ap itilize “nou” nan plas “wou”

Se pou Bondye Papa a beni wou byen beni. Se pou Pitit la geri wou byen geri. Se pou Lespri-sen an ba wou fòs. Se pou Bondye ki se Twa nan Youn nan, pwoteje kò wou, sove nanm wou epi mennen wou nan peyi ki nan syèl la kote l’ap viv li rwa depi tout tan ak pou tout tan.Amen.

Ranvwa

Selebran Annou ale ak kè poze pou fè sèvis Granmèt la Tout moun N’ap di Bondye mèsi pou sa.

10

Senk Mak Misyon Misyon Legliz se Misyon Kris la

1. Preche bòn nouvèl rwayòm Bondye a byen fò pou tout moun ka tande l. 2. Ranfòse konesans moun ki batize yo leson, bay moun ki fèk kwè yo bourad pou yo pi fò 3. Ede moun ki nan bezwen yo san diyite yo pa blese 4. Chèche chanje estrikti ki pa dwat nan sosyete a, bay tèt nou defi pou fè tout kalite vyolans

disparèt, rapousiv lapè pou moun ka (sispann fache) tounen byen you ak lòt. 5. Kouri prese pou prezève kreyasyon an pou konsève lavi sou latè

Nou rekonèt avèk rekonesans ke Senk Mak Misyon ke Konsèy Konsiltatif Anglikan an te devlope ant 1984 ak 1990 yo, te akseptab pou anpil Anglikan. Yo bay pawas yo on lis pwen ki ka fè yo sonje ki aktivite misyonè yo ka mennen.

Twa chimen legliz ka wè Misyon 1. Soulajman nan moman malè — Legliz la ka angaje tèt li lè gen yon bezwen ki aklè:

dezas lanati oswa dega moun lakòz. Legliz la ka jwenn mwayen pou yon soulajman sou plas tankou bouyon popilè, kantine, louvre pòt li pou moun vin chofe oswa pran lè fre, bay moun kote pou yo rete pou yon ti bout tan.

2. Sipòte lavi pou l dire — Legliz la ka bay manm kominote a konesans pou yo ka gen metye ki pèmèt yo travay pou pou sipòte tèt yo pou yon bonkou tan. Bay yon moun yon pwason ou bal manje pou yon jou, montre li peche l’ap manje pou lavi.

3. Batay pou Chanje Sistèm ki pa dwat yo — Se wòl legliz pou li batay kont move sistèm nan sosyete a pou ka chanje sa ki pa dwat pou fè yo vin dwat. Sa pap ede si w montre moun yo yon metye epi yo paka jwenn travay. Asire nou ke legliz kanpe nan mitan moun k’ap fè politik yo pou mande yo kont.

11

Sou Zepòl yon bann Vanyan

Rev. Félix Sanon, Rev. Pierre Dorleans (dcd), Rev. Irnel Rémy, Rev. N. Carlyle Spitz (dcd), Rev. Simp-son Coriolan, Rev. Yvan François, Rev. Joseph Moise, The Right Rev. Luc A. Js. Garnier.

12

A Brief History of Saint Augustine’s Church

St. Augustine’s Episcopal Church was established from the mer-ger of All Saints’ Church and Saint Augustine’s Chapel. Both of these developed into thriving congregations. However, changes in the neighborhoods surrounding them necessitated combining resources in the winter of 1944-45, in order to survive and ulti-mately to flourish.

St. Augustine’s present church building on Henry Street was erected in 1828. It was consecrated as All Saints’ Free Church by John Henry Hobart, third Bishop of New York. 1949 marks the year that the merger of All Saints’ Church and Saint Augustine’s Chapel was officially completed. At that time Trinity Church Wall Street purchased the building and changed its name to St. Augustine’s Episcopal Church in honor of St. Augustine of Hippo. In 1976 St. Augustine’s was separat-ed from and endowed by Trinity Church. The church building became a New York City landmark in 1966, and was added to the National Register of Historic Places in 1980.

Guidebooks for New York City note that “St. Augustine’s has the largest African-American congregation on the Lower East Side”. Worship at St. Augustine’s includes gospel singing, praise dancing, and a ministry focused on social and political activism. February is a month devoted to honoring achievements by black Americans and a time for recognizing the central role of African Americans in U.S. history. This annual cel-ebration on the last Sunday of February, incudes a worship service filled with African drummers, African dancers, and parishioners dressed in African attire. Following the service there is a feast with delicious in-ternational cuisine adding to the fellowship in the Parish Hall.

The rich history of St. Augustine’s is interwoven with the history of the nation and the city: All Saints’ Church began as a mission in 1819 under the lay leadership of Colonel Marinus Willet, an

early leader in the American Revolution and a lifelong friend of General Lafayette The mission’s warden, James Allaire, worked closely with Robert Fulton of steamboat fame The stone used in the construction of All Saints’ Church, (the present site of Saint Augustine’s Church

on Henry St) was quarried at Mount Pitt, which guarded Washington’s retreat from Long Island Edgar Allan Poe attended All Saints’ Church, “seeking peace and quiet for a troubled mind.” “Boss” Tweed, when a fugitive from justice, attended his mother’s funeral here, hiding from the authori-

ties in the Slaves’ Gallery The organ was built in 1830 by Henry Erben

The Slave Galleries

During the 19th century black New Yorkers, when allowed entrance into a church, were closely monitored and set apart. In some churches, they had to sit or stand in the back. In others, they were confined to an area in the balcony. In several churches, there were rooms often out of view.

St. Augustine’s has, as part of its original architecture, two rooms up a small twisting flight of stairs that were and are still called Slave Galleries. These rooms, just above the balcony and mainly out of sight, were intended for Africans, servants and perhaps even visitors, and may have been so used for years after slavery ended.

The people of St. Augustine’s are thankful to Almighty God for the clergy and laity who have graciously supported their endeavors during the many years past and helped to make

this historic milestone possible.