mwen renmen ileavach

64
Jean-Patrick Lucien Jean-Patrick Lucien Mwen Renmen Zile Ilavach Yon ti liv pou tout moun zile a Otè: Jean-Patrick Lucien

Upload: jean-lucien

Post on 07-Mar-2016

336 views

Category:

Documents


0 download

DESCRIPTION

Ce livre qui évoque l’histoire, la culture et la vie sociale et économique de l’Ile-a-Vache (www.ile-a-vache.com) est un cadeau à tous les habitants de l’ile afin qu’ils puissent apprécier leur héritage, leur dur labeur, et leurs efforts pour garder vivante l’image de la perle des Antilles en Haïti. Le livre sera distribué gratuitement dans toutes les écoles, et a tous professeurs en espérant qu’il fera partie intégrante de la formation des écoliers. The book is intended to be a gift to the island of Ile-a-Vache and to give the people of the island their identity.

TRANSCRIPT

Page 1: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

Mwen Renmen

Zile Ilavach

Yon ti liv pou tout moun zile a

Otè: Jean-Patrick Lucien

Page 2: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

2

Chak peyi gen istwa d’Ayiti pa yo (chaque pays a

son histoire d’Haiti), se yon ti dizon ke anpil elèv

lekòl te konn ap repete lè nou te piti. Pou sa nou li

de ti zile sa a e lè nou te pale ak plizyè moun, nou te

di ke fòk zile sa gen pwòp ti liv pa li pou ke ti moun

kap vini pita yo konn richès ke yo gen lakay yo.

Sa nou vle fè nan ti liv sa, se bay moun nan zile a

yon fason pou pale de istwa yo, kilti yo, fason yo viv

e sèvi kòm yon ekzamp a lòt kote nan peyi d’Ayiti.

Nou kwè ke zile a dwe antre istwa pa li nan edikas-

yon ti moun yo pou yo ka apresye ki moun yo ye, kote

yap viv la e pa kite ke se lòt moun ka vinn montre yo

richès yo.

Nou remèsye gwoup pwofesè nan zile a ki te chita

ansanm avèk nou pou revize liv la e ban nou otori-

zasyon pou metel a la dispozisyon yo. Nou espere

ke de tan zan tan nou ka ajoute plis istwa sou liv a e

kontinye rakonte mèvèy zile sa.

Jean-Patrick Lucien,

Otè

Dwa dotè: Jean-Patrick Lucien, pèson pa gen

Dwa fè chanjman nan liv la san otorizasyon otè a.

Copyright: Jean-Patrick Lucien

Droit d’Auteur: Jean-Patrick Lucien

Page 3: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

3

Otè liv la:

Jean-Patrick Lucien ([email protected])

Moun ki revize liv la:

Pwofesè Rosemond Lucien

Charlot Lucien

Jean St. Vil, Jafrikayiti

Gwoup Pwofesè lekòl Ilavach

Moun avèk òganizasyon ki sipòte Pwojè a

La Meri Ilavach

Gwoup Pwofesè lekòl Ilavach

Bernadette Henry-Lucien

Charlot Lucien (www.charlotlucien.com)

Max Theodore (www.usasterling.com)

Agwonom Isaac Cherestal (CAPAS)

Jean Sauny Pierre

Enprime pa: EDUCAVISION Inc (www.educavision.com)

Gwoup Devlopman Ile-a-Vache S.A.

Yo mo espesyal an memwa de Jean-Willy Alexandre e Wil-

liam St Cyr, de moun zile a ki kite nou twò vit.

Page 4: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

1. Zout a Pale nou de Zile Ilavach 5

2. Bonswa se Lonè 10

3. Jou Mache 14

4. Aneliz Pral Lekòl 17

5. Istwa Bèna Kòk 20

6. Match Foutbòl 24

7. Kapitèn Mògan 27

8. Pè Magwon (Robert Margron) 30

9. Sentilòm, Mèt Dlo 34

10. Siklòn, Move Tan 37

11. Sè Flora 41

12. Eleksyon 44

13. Grann 48

14. Agwonòm Izarak 52

15. Yon Pesonaj ap Pale: 56

Mysye Lelio Justin ap pale

Ti Jwèt:

1. Chache Mo 58

2. Krik Krak, Mo Kwaze 59

3. Chache Vil nan kè depatman peyi 60

4. Mysye Patrick pèdi nan 61

5. Vil nan peyi nou 62

Tanpri voye sa nou panse de liv la bay Jean-

Patrick Lucien nan [email protected]. Nou

espere ke yon jou chak vil nan peyi a ka gen pwòp

liv li, e ke listwa vil yo va pase de jenerasyon an

jenerasyon.

Mesi pou sipò tout moun ki te ede nou.

Jean-Patrick Lucien

Page 5: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

5

Zout ap pale nou de zile

Ilavach

Zout se yon ti jennjan disetan ki renmen zile a anpil.

Nan lekòl li, li fò nan jewografi, listwa, matematik, sitou

lè ou kòmanse pale li de zile Ilavach (ile-a-Vache).

Yon jou, pandan Zout te ale Okay, li rankontre yon

gwoup etranje ki t ap pale e li tande y ap mande yon

moun kòman pou yo ale nan zile a. Zout pat pran yon

minit pou li te ale kote yo. Lè li mande yo kòman yo te

fò tande pale de zile a, vizitè yo te di li « Se tout moun

k ap di ou pa kapab vini Ayiti san ou pa vizite zile

Ilavach ». Vizitè yo te kòmanse mande Zout kesyon.

Zout li menm te deja pare pou li ba yo tout enfòmasyon

yo te bezwen.

Gen yon premye vizitè ki rele Pitè (Peter) ki mande

Zout: « Ki distans zile a ye ak Okay ? » Zout di yo : «

A, se tou pre a wi, Ilavach gen selman 10 kilomet ak

Page 6: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

6

Okay, men kòm se meriken nou ye, nou ka pa konn

kilomèt byen, se 6 mil ak Okay. Etranje yo te ri paske

Zout te gen rezon.

Gen yon lòt vizitè ki rele Richa (Richard) ki mande

Zout: « Sa k gen pou fè nan zile a ? » Zout reponn : «

O, pa gen pi bèl kote pase zile a non ! Ou wè y ap di

Ayiti se te Pèldèzanti, se lò ou rive nan zile a, pou ou wè

sa yo vle di. Pye kokoye kanpe tankou gad palè sou tout

zile a. Mango ap woule desann sou tout mòn. Zout te

kontinye: “Gen yon fwi ke yo rele « ponm peyi », w a

dous pa w! Lanmè a menm, ble pase syèl la. Sab la

menm, li tèlman fen, menm nan moulen ou pa kapab

pase l. E moun yo fre, tèlman yo manje bon manje.

Pami vizitè yo, gen yon timoun ki pa t

maton nan kreyòl ; li mande ann angle:

« Poukisa yo rele zile a Ilavach ». Yo

ale pou y al tradui pou Zout, men Zout

di: « I understand». Blan yo sezi. Zout

reponn: “A mezanmi, ti anglè sa a pa fè

m pè” Zout esplike timoun nan nan

yon bout angle kouman lè panyòl yo te

debake sou zile a, yo te jwenn yon bann

Page 7: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

7

gwo vach, sètadi bèf. Yo pa t konn kote yo te sòti. Ki-

donk, yo te rele zile a “ile-a-Vache”, nou tradui an anglè

« Cow Island ». Men fok mwen di nou ke moun ki

konnen di ke koze sa, se mantò. Vizitè yo wè Zout pa t

nenpòtki. Zout te konn sa l ap pale a.

Gen yon ti granmoun ki ganlè pa t sou mache anpil, li

mande Zout: Ki gwosè zile a? Gen machin sou zile a?

Kòman moun yo fè pou yo ale kote yo bezwen?. Zout

montre yo jan zile a mezire 16 kilomèt nan longè e 8

kilomèt nan lajè. Machin ki pou ap fè bri nan tèt moun,

zile a pa gen sa!. Ou ka pran bato pou ou fè tout

laviwonn zile a, anpil moun rete sou lakòt la. Men, gen

anpil bèl kote ou ka vizite andedan zile a tou. Gen

moun ki sèvi avèk bourik, milèt,

cheval pou yo deplase.

Bon, Zout, konbyen moun ki

abite sou zile a? Kisa yo manje?

Zout reponn: « Nan zile a, gen

plis pase ven mil (20000) moun.

Yon bon pati abite Kakòk, Soulèt,

Madan Bèna avèk Pwent Wès.

Madan Bèna se prensipal katye

nan zile a. Se la majistra gen biwo li e se la gwo mache

a ye ». Nan zile a, moun manje anpil legim, mayi ak

pwa. Pwason menm, se sa ki pa manke. Ou ap jwenn

kèk Kanadyen, Franse nan zile a tou. Gen moun ki sou

zile a depi peyi a te fonde, genyen ladan yo se desandan

ansyen moun ki te la depi anvan Kristòf Kolon te vin

chwe nan lakòt Ayiti.

Pami vizitè yo, gen yon gwo blan, vant li byen byen

won. Li mande Zout: « Ki moun selèb ou ka site nan

listwa zile a? » Alòs, Zout, ki te yon bon fawouchè,

Page 8: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

8

gade misye, epi li di: « Anvan mwen reponn ou, èske

oumenm ou ka di m kòman vant lan fè won konsa? Se

yon balon foutbòl ou pote pou nou » Tout moun te tonbe

ri. Zout kontinye.

« Bon, nan listwa nou, mesye ki pase yo pa t vini pou

yo te fè bon bagay pase sa. Gen listwa Kapitèn Mògan

ki te vin kache nan zile a pou li atake bato ki t ap sòti

Jamayik. Yo di gen youn

nan bato li yo ki te koule

tou pre zile a. Daprè sa yo

di, bato sa a te chaje avèk

lò, nou pa menm ka di ki

kantite lajan ki anba dlo sa

a.

Gen yon lòt Angle ki te rele

Bèna Kok (Bernard Cock)

ki te vle kolónize zile a pou

li te plante koton. Sa pa t

byen pase pou li paske

patnè li yo te sòti pou yo fè

dappiyanp sou biznis la.

Gen yon vizitè ki se

pwofesè ; li mande: « E zafè lekòl, kòman sa ye? Ki sa

nou aprann lekòl? » Zout reponn: « Gen plizyè lekòl sou

zile a. Lekòl primè, lekòl segondè,

lekòl kay frè ak lekòl kay mè.

Genyen Sè Flora k ap dirije yon gwo

lekòl ki gen òfelina avèk dispansè.

Zout kontinye: « Jèn nan zile a oblije

al fè reto ak filo lavil Okay, men nou

espere sa pral chanje ».

Sr. Flora

Page 9: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

9

Epi Zout rale yon ti liv nan sak li e li bay pwofesè a. Li

di li liv sa a rele « I love Ile-a-Vache », J’aime l’ile-a-

Vache. Se sèl zile a, nan tout Ayiti, ki gen pwòp liv li ki

pale de tout koze listwa, kilti, jewografi zile a.

Pwofesè a te sezi, li te wè sa se yon bèl bagay.

Lè mesye yo te rale papye yo pou yo t al pran nòt. Zout

di mesye yo : « A mesye, nan gwo tan sa a, nou pa gen

pou nou pran nòt pote tounen nan peyi nou. Nou gen

entènèt ? Zile a gen pwòp sit entènèt li tou. Ale nan

www.ile-a-vache.com , nou ap wè tout sa mwen t ap di

nou an. Alò, sa nou te konprann ? Nou panse se nou

sèlman ki konn fè ?. (Zout se yon ti jenonm ki te

djougan vre !). Nou gen anpil frè nou ki lòt bò dlo k ap

travay pou fè peyi a vanse tou. Se yo menm ki te vin pa

bò isit pou yo pran enfòmasyon ki sèvi pou mete sit

entènèt la sou pye. Yon lè, n ap tounen, se mwen ki va

montre nou kòman pou nou fè rechèch sou gougòl

(google). Vizitè yo te souri e yo te wete chapo devan

djougans Zout.

Ti Kesyon

Ki laj Zout te gen ankò?

Ki distans zile a Okay ?

Pouki yo rele zile a Ilavach ?

Kòman yo rele pesonaj ki te vin plante coton sou zile a?

Kòman yo rele kapitèn ki te gen gwo bato a ?

Nomen kèk lokalite nan Ilavach?

www.ile-a-vache.com

Page 10: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

BONSWA SE LONE

Se te yon jou samdi, plizyè nan nou jenn yo te deside ale

Nanbouchi pou nou pase jounen an. Lanbouchi, se kote

lanmè a rankontre avèk rivyè a. Jou sa, se te yon bèl

jounen plen solèy, anpil moun te nan lari. Nou te pase

pran kèk kokoye, bèl bout kann annana epi nou te fè sak

nou pou nou pati. Nou te kite lakay nou depi 8 tè di

maten. Sou wout la nou te rankontre anpil machann ki

te prale lavil, anpil moun ki te pral nan jaden.

Nan pwovens nan peyi nou, tout moun gen respè pou

lòt. Se poutèt sa, sou wout la, kèlkeswa moun nou te

rankontre, fòk nou te toujou ba yo salitasyon. Donk se

te tankou yon chan ki t ap chante sou tout wout la. «

Bonjou. Kòman nou ye la ? E jounen an? E kò a?

Kòman fanmi yo ye? » Se te tankou foumi fou k ap fè

nich. Chak fwa youn rankontre lòt, yo bay tèt kole. Se

te konsa tout moun te pran tan yo pou salye lòt.

Pandan nou te sou wout la, nou te toujou ap bay « fraz

», sa vle di ti blag nou. Gen anpil moun ki te rekónèt

Page 11: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

11

nou paske nou te jwe nan ekip foutbòl la. Sou chimen

nou, nou te rankontre yon granmoun ki te rele Ton Pèpè

sou yon bèl cheval blan. Nou tout te salye li e li te

reponn nou « Kòman nou ye pitit mwen yo ? ». Lè nou

te fin pase, kòm te gen yon ti van ki t ap vante, chapo

Ton Pèpè te vole e nou tout te prese ranmase li pote pou

li. Ton Pèpè te remesye nou avèk yon bèl souri e li te di

« Mèsi pitit mwen yo »

Lè nou rive Lanbouchi, lanmè a te bèl, dlo a te byen klè.

Ou te ka wè ti pwason yo kap jwe anba dlo a. Tout

moun t ap prepare yo pou plonje. Kèk nan nou te ale

nan lanmè a.

Lanbouchi rivyè Tobèk, kote rivyè a al tonbe nan la mè

Lòt yo te ale benyen nan rivyè a. Sete yon plezi pou

nou t ap naje sòti nan rivyè pou nou rive nan lanmè a.

Nou te toujou ap goute dlo a pou nou wè ki kote li te

kòmanse sale. Bo dlo rivyè, anpil pechè te konn kite ti

kannòt yo chita. Pechè yo te konn jwenn anpil pwason

paske Nanbouchi pwason yo te renmen ti dlo sale yo.

Page 12: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

12

Ti Chal ki te wè bato yo chita la deside pran youn nan

bato yo pou nou al flannen anwo rivyè a. Ti Chal te di

nou li te konn fè sa deja, nou pa bezwen pè. Apèn nou

te kòmanse ap rame monte larivyè a, nou te wè de twa

mesye, men gwosè ponyèt yo. Yo te kòmanse ap rele

bare volè. Yo te konprann se pati nou t ap pati avèk bato

yo. Nou tande youn nan yo ki di yon lòt, « Al kouri rele

papa m ». Lè nou wè sa, nou te kòmanse pè. De(2) nan

mesye yo plonje nan dlo a e yo te ap naje vin jwenn nou.

Ti Chal se premye moun ki te kouri plonje kite bato a.

Lè nou wè sa, nou tout nou lage kò nou nan dlo a. Nou

te naje tankou pwason kouri sòti nan dlo a pou de gwo

mesye yo pa te nwaye nou. Lè nou te soti nan dlo a, nou

te wè yon pèsónaj ap rive. Se te papa ti mesye yo. Lè

nou gade, nou wè sete Ton Pèpè. Lè misye te wè nou, li

te rekónèt nou epi li mande pitit li yo : « Se ti mesye sa

yo ki t ap pati ak bato m lan? Nou reponn li : « Wi ».

Ton Pèpè te souri epi li di :

« Mwen fèk rankontre ti mesye sa yo sou wout la, yo te

ban mwen yon bèl bonjou e yo te prese ranmase chapo

Page 13: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

13

m pou mwen. Sa deja fè mwen wè se timoun debyen

yo ye. Nou mèt kite yo prete bato a. Gwo mesye yo te

vin rekónèt nou tou paske yo te konn ekip foutbòl la. Yo

te pran bato a epi yo fè laviwonn rivyè a avèk nou.

Ton Pèpè te aprann nou de(2) sekrè. Premye a se te pou

nou toujou respekte moun, pa bliye di bonjou, ónè,

mèsi, eskize m. Lòt la sete pou nou pa pran bagay moun

san nou pa mande anvan.

Ti kesyon :

Ki sa yon lanboushi ye ?

Ki sa sa vle di lè ou ap bay fraz ?

Eske ti mesye yo te gen respè pou Ton Pèpè ?

Ki sa ki ta pase si yo pat salwe ton Pèpè ?

Ki lès ki te pi kapon nan ti mesye yo ?

Ki espò ke ti mesye yo te kon jwe ?

Kouman ou montre respè pou manman ak papa w?

Page 14: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

14

JOU MACHE

Jodi a se jedi. Se jou mache nan Ilavach, nan lokalite

Madan Bèna. Se jou tout moun pote bèl legim, fwi ak

pwason pou vann. Depi jou sa a rive, zile a chaje avèk

bato ki soti Sen Jan, Tòbèk, Okay pou yo vin achte bèl

pwodui zile a bay. Machann ap defile agoch, adwat

avèk bèl Bonjou kote yo pase.

Jewòm leve depi katrè nan maten pou li al keyi bèl

kokoye, labapen, lam veritab pote pou madanm li Asefi

al vann. Asefi li menm al keyi pwa kongo li te plante

avèk timoun yo dèyè kay la. A sizè, timoun yo te leve

pou y al lekòl, Tidyo ede manman li sele cheval la e

mete machandiz yo nan sak.Tififi ki te gen katran t ap

kriye paske manman li t ap pati. Apre fanmi lan te fin

desan yon bon bannann ak ze, tout moun te fè chemen

Page 15: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

15

yo. Jewòm te pran bato li pou l al peche. Tidyo te pran

men Tififi pou l al lekol. Asefi te monte cheval la pou al

nan mache.

Lè Asefi rive, mache te deja ranpli. Machann t ap

debake machandiz yo. Asefi rale telefon selilè li pou l

di Jewòm pa bliye pote pwason yo. Asefi te kontan

paske zafè telefòn selilè sa a se te yon bon zouti pou fè

zafè li mache e pou li te konnen kote Jewòm te ye

toutan.

Anpil bèl lam veritab te gaye nan mache a. Sant pwason

woz fin anvayi mache ya. Majistra ap fè lakòlèk. Tout

ti machann ap plenyen paske yo pat renmen zafè lakòlèk

la, men yo te konnen se avèk li majistra te kenbe mache

a pwòp e bèl. Moun t ap debake soti Okay, Tòbèk, Sen

Jan pou ranmase bèl fwi, legim ak bon pwason santi bon

zile a. Ti machann yo te kontan : sa ki t ap chante, sa ki

t ap fè zen.

Jodi a se te yon bon jou. Solèy la te byen klere e pa t

manke gen kliyan nan mache

a. Machandiz Asefi yo t ap

vann byen vit. Lè li te fè bò

katrè nan aprèmidi, tout moun

te kòmanse ap ranje bak yo

pou yo rantre lakay yo. Asefi

te fè bèl zafè.

Page 16: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

16

Lè Asefi rive lakay li, li jwenn yon bon mayi ak pwa

Jewòm te kite pou li. Tififi te kontan wè manman li

pandan Ti Dyo t ap etidye yon istwa d ayiti. Yo te chita

manje ansanm. Asefi te chita ak Jewòm pou fè

kontwòl. Tout fanmi t al dòmi ak kè kontan.

Tikesyon

Ki jou ki gen mache nan Ilavach ?

Ki kote mache a ye nan zile a ?

Ki sa ou jwen pou vann nan mache zile a ?

Ki sa Asefi te konn plante dèyè lakay li ?

Ki kalite aktivite Jerom fè ?

Moun ki lot lokalite ki konn vini nan mache zile a ?

Poukisa majistra fè lakolèk ?

Si manman w konn al nan mache, di nou konman sa

konn ye ?

Page 17: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

17

Aneliz pral lekòl

Aneliz se timoun Kánobè, li renmen lekòl e li renmen li.

Manman ak papa Aneliz toujou ap chante avèk li e

montre l kòman pou li fè ti desen. Aneliz al lekòl nan «

Ecole du Village » ki nan Kánobè. Jodi a Aneliz pral

pale nou de lekòl li.

Mwen rele Aneliz, mwen gen

nevan. Mwen ale lekòl « Ecole

du Village « ki nan Kánobè.

Matmwazèl lekòl mwen an rele

Jolin. Li se yon bon pwofesè.

Lekòl mwen kòmanse a uitè nan

maten. Mwen kite lakay mwen

bónè pou mwen rive lekòl alè. Se manman mwen ki

mennen mwen lekòl. Mwen te konn alè lekòl byen

Page 18: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

18

lwen. Pou mwen rive lekòl manman m di mwen se

prèske inè d tan mwen te konn mache pou mwen rive.

Depi lekòl « Ecole du Village » louvri, manman mwen

te chanje m lekòl e mwen byen kontan. Anpil timoun ki

te nan lòt lekòl vini nan lekòl mwen an e mwen fè anpil

ti zanmi,. Nan lekòl la, mwen aprann anpil.

Madmwazèl Jolin montre mwen li, li montre mwen ekri

e li aprann mwen bèl ti chante. Nan rekreyasyon, nou

jwe avèk anpil ti jwèt. Nou sote kòd, nou tire kont.

Ti gason yo jwe foutbòl. Nou fè yon balansin avèk kòd

nou mare nan yon pyebwa.

Kounye a, lekòl la vin gen anpil timoun. Tout moun nan

kominote Kánobè mete ansanm pou konstwi yon lòt

lekòl. Majistra fè n kado yon bèl teren pou lekòl la

konstwi. Mesye Réne, li menm tou, li bay yon teren sou

mòn nan. Direktè lekòl la, mèt Sóni rasanble kominote

a pou ede nan konstriksyon an. Mèt Sóni di nou se yon

mesye ki rele Patrick Lucien ak madanm li Bernadette

ki abite lòtbò k ap sipòte lekòl la ansanm avek yon lot

gwoup ayisien ki gen yon oganizasyon ki rele HOPE.

Page 19: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

19

Nou kontan tande nou gen zanmi nan peyi lòtbòdlo k ap

ede kominote nou an. Mèt Sóni di lekòl la gen yon

bagay yo rele sit wèb ou ka wè sou entènèt. Sit la se

www.ecoleduvillage.org

Depi lekòl la kòmanse konstwi, tout moun gen kè

kontan. Se premye fwa y ap konstwi pwòp lekòl pa yo.

Chak moun pote patisipasyon pa yo. Bòs Jera bay

wòch, Bòs Pyè bay senk sak siman, tout moun ap bay

kout men. Timoun yo kontan yo pral gen yon bèl ti la-

kou avèk balansin e yo pral gen ti kote anba pyebwa pou

yo li.

Depi kounye a, anpil lòt moun ap vini kote Mèt Sóni

pou yo ta mete timoun yo nan lekòl la.

Mwen kontan ale nan lekòl « Ecole du Village ». Mwen

renmen pwofesè mwen an e lekòl la fre anba bèl

pyebwa. Lè nou fini konstwi lòt lekòl la, nou pral anba

plis frechè. Nou kontan wè kouman tout paran ap

travay ansanm tankou se timoun ki t ap jwe. Manman m

ak papa m di yo pap janm bliye moman sa a nan lavi yo

kote yo te ede mete blòk pou konstwi lekòl la. Yo

kontan paske se pa t moun ki te vini fè li pou yo. Lè

mwen gran, mwen vle tounen yon pwofesè tankou

madmwazèl Jolin pou mwen ede kominote a tou.

Page 20: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

20

Istwa Bèna Kòk “Bernard Kock”

Bèna Kòk se te yon sitwayen Anglè ki te gen lide pou li

te pran zile a pou li pou li te fè yon gwo plantasyon

koton. Koze sa a se te yon lide li te mete sou pye avèk

prezidan Lèzetazini Abraram Linkòl « Abraham

Lincoln » e prezidan Ayiti nan epòk la Fab Nikola Jefra

«Fabre Nicolas Geffrard » nan láne 1882 apre li te fin

wè bèl koton ki te soti nan zile a.

Bèna Kòk te rantre ann Ayiti pou li te siyen yon kontra

avèk gouvènman Ayisyen pou li te anfèmen zile a senk

goud pou chak kawo tè. Men fòk li te koupe anpil

pyebwa. Mesye Kòk t al mande prezidan ameriken an

senk mil (5000) ansyen esklav nwa pou te vin travay sou

zile a pou li. Prezidan ayisyen, Mesye Fab Jefra te di

fòk ansyen esklav sa yo te natiralize depi yo rantre,

sètadi fòk yo ta vin Ayisyen legal.

Page 21: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

21

Pou Bèna Kòk te fè plan li an

mache, li te bezwen anpil lajan.

Se konsa li te rantre nan yon

antant avèk kèk ameriken, men

mesye sa yo te gen plan pa yo

dèyè tèt yo pou yo te pran tout

bagay nan men Mesye Kòk.

Mesye ameriken yo te fè konplo

avèk gouvènman ameriken an

pou yo te mete Mesye Kòk atè.

Fabres Geffrard

Prezidan Ayiti

ane 1880

Yo voye kontra an sekrè bay prezidan Ayisyen an e yo te

refize voye manje pou te ba ameriken nwa yo.

Lè Mesye Kòk te finalman fè senk san (500) ameriken

nwa rantre, li te mete yo travay pou kenz (15) santim pa

jou, men li te pwomèt yo dis (10) pousan pwofi. Zile a

te gen pwòp lajan li mesye Kòk te itilize pou peye

travayè yo.Men bagay pa t mache twò byen paske an-

syen esklav yo pa t ap viv nan bon kondisyon.

2 Goud Ilavach

Page 22: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

22

Anpil nan ansyen esklav yo pa t ka konprann kouman

Ayisyen yo te fè ap mache sou

zile san mèt, e, chak swa, yo t

ap fè gwo fèt, yo t ap bat tan-

bou, e yo t ap chante ansyen

chante zansèt yo. Ayisyen yo te

eksplike ansyen esklav

ameriken yo jan yo te met tèt yo

ansanm pou yo te mete blan

franse deyò e fini avèk zafè

lesklavaj la depi lontan. Mesye

ameriken nwa yo te rantre nan

koze dans chak swa a tou e yo te

kòmanse ap fete tankou Ayisyen

yo. Yo te vin refize travay.

Abraham Lincoln

Presizan Ameriken

Ane 1880

Apre konplo sou konplo, gouvènman Ayisyen an te arive

kraze kontra a, e ameriken ki te ann afè avèk Mesye

Kòk yo te arive mete li atè nan zafè a. Kòk te eseye al

fè yon lòt kontra avèk gouvènman, men prezidan Ayi-

syen an te derefize. Se konsa Mesye Bèna Kòk te vizite

zile a yon dènye fwa jou ven (20) desanm 1863.

Travayè yo te move paske yo pa t touche e yo t ap viv

nan move kondisyon. Jou vennde (22) desanm 1863,

prezidan ameriken voye yon bato pou vini chache rès

katsansenkanntwa (453) nwa ameriken yo.

Page 23: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

23

Kèk ti Kesyon

Ki kote Bèna Kòk te soti ?

Ki sa li te vle fè ak zile a ?

Kòman yo te rele prezidan Lèzetazini a lepok ?

Kòman yon te rele prezidan Ayisyen a lepòk ?

Konbyen kòb Bena Kòk te vle peye pou chak kawo tè ?

Konbyen esklav Misye Kòk te mande prezidan

ameriken an ?

Ki kondisyon presizan Ayisyen an te poze ?

Kisa mesye Ameriken te fè pou yo te pran biznis lan nan

men mesye Bèna Kòk ?

Poukisa Ayisyen sou zile a te ka ap fete jan yo vle?

Ki denye fwa mesye Bèna Kòk te vizite zile a?

Konbyen nan ameriken nwa yo ki te tounen lakay yo ?

5 Goud Zile a

Page 24: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

24

MATCH FOUTBOL

Demen dimanch lan, gen yon gwo match foubòl nan zile

Ilavach. De pi gwo ekip yo pral rankontre. Zile a chofe.

Tout moun ap pale, tikè ap vann, ekip yo ap antréne

depi de(2) semèn. Anons gentan bay nan radio "RDC".

Depi gen foutbòl, tout moun nan zile a kite sa y ap fè

pou yo vini gade jenn ti mesye yo k ap frape balon

Ekip Sannta Mariya ki gen kòm kapitèn Chalo di li pral

fè yon malè paske li pral bay ekip Bewolino a 3 gòl a

zewo.Bewolino deklare di li menm se woule li pral

woule Sannta Mariya anba gòl. Pè Jo di li mete 2 gòl

nan pye pitit gason li an Mako ki jwe nan Bewolino. Li

te bay pitit li ya ti non Wónaldo. Konpè Boulout parye

desan(200) goud sou Sannta Mariya ki pral fè jwè ekip

Bewolino kriye tankou timoun piti.

Nan dimanch maten, tout moun leve pou al legliz, men

yo pa t ka rete tann nan apre midi pou match la. Frè

Page 25: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

25

Enòk, madanm li ak de(2) pitit li yo ale nan legliz kay

pastè Sovè. Ti mesye yo se de match la sèlman y ap pale.

Bòs Fòkseli ak fanmi li ale pran mès dizè di maten nan

legliz pawasyal. Konpè Bòyòt li menm di l ap rete lakay

li pou pale ak zansèt li yo pou ranje match la. Li fè kwè

pou senkant (50) goud, li ka mete yon gòl nan pye chak

jwè.

Li fè katrè nan apre midi. Tout moun ap debake nan

Kakòk pou match la. Bak machann yo bèl ak bon fritay.

Bon kokoye ole ap kale. Ti medam yo fre pase ze zwa.

Mesye yo ap pale anpil, y ap bay bèl franse mawon pou

fè kè ti medam yo kontan. Klodèl nan pòt la, l ap fè

lakòlèk. Ou pa ka pase devan l lan si ou pa peye ven(20)

goud la pou rantre. Dòvilyen ap veye mesye kap eseye

pase anba fèy kòk. Ti Dimanch li menm, l ap okipe zafè

bòlèt li. Match la pral kòmanse, abit la fè ekip yo rantre,

kapitèn yo bay lamen. Boul la santre…

Ekip yo ap pase balon a dwat, a goch. Fánatik ap chante

nan chak bò teren an. Pè Jo finn fou pou yo pase balon

an bay Mako pou li bay gòl yo li te mete nan pye pitit

Page 26: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

26

gason li yan. Men Tipyè ki pase balon an bay Tiblan ki

drible gadyen an, li bay premye gòl la pou Sannta

Mariya. Piblik la tonbe fè fèt. Konpè Boulout ki te

parye desan(200) goud avèk Bòs Jozafa kòmanse rek-

lame lajan li. Li te kòmanse fè nwa e fánatik Sannta

Mariya yo kòmanse chante:

« Men pa gen limyè sou estad la, woy woy woy.

Men Sannta deja devan, woy, woy woy »

Match la te fini 2 gòl a zewo pou Sannta Mariya.

Fánatik Sannta yo kite Kakòk pou rive jis Soulèt ap

kouri pandan y ap chante

« woy woy, woy woy, nou kale, nou kale

woy woy, woy, woy, nou kale de a zero »

Se konsa fánatik yo te konn pase bay nouvèl la bay tout

moun sou wout la. Moun Soulèt te konn vin resevwa

ekip la depi sou wout. Nan aswè, tout jwè Sannta yo te

reyini devan yon bèl boukan dife pou yo boukannen

lam veritab, bèl patat pou yo manje avèk bon pwason

sale pandan y ap pale de match la toujou. Ti medam yo

tap prepare bon ji sitron.

Tout granmoun te kontan, Konpè Boulout bay ekip la

100 goud nan 200 goud li te genyen nan pari a. Sannta

Mariya te fè moun Soulèt fyè yon lòt fwa ankò.

Page 27: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

27

Kapitèn Mògann

Nan mitan láne 1600 yo, lanmè nan Karayib la te chaje

avèk bato ki t ap bwote machandiz

tankou lò, ajan, pyès metal enpòtan.

Tout trezò sa yo t al chwe ann Ewòp.

Ewopeyen yo te rantre nan tout zòn

lan, yo te fin dechèpiye tout trezò ki te

genyen pou yo te pote lakay yo.

Se konsa anpil kapitèn bato t ap veye

lòt pou yo atake yo epi vòlè trezò yo

anvan yo rive kote yo te dwe ale a.

Nan moman sa a, te genyen yon

kapitèn yo te rele Mògann(Morgan),

yon gwo reken, sa vle di, li pa t jwe e li te pare pou l

atake tout bato sou wout li sou lòd gouvènman anglè.

Page 28: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

28

Kapitèn Mogann te soti nan peyi Langletè. Gouvènman

li te ba li otorizasyon pou l atake bato panyòl yo ki t ap

soti Jamayik avèk lòt kote nan Karayib la. Moun ki te

gen otorizasyon sa yo te rele Kòsè, an franse « corsaire

». Kapitèn Mògann te fè anpil bato nan zòn nan pè.

Kapitèn Mògann te rive nan Karayib la nan láne 1655

nan zile Babad kote li te ofisye lame

Angletè. Wòl li se te pou li te atake

bato panyòl yo epi sezi tout lò ki te

nan bato a. Anglè yo te fè sa paske yo

konnen peyi Espay te vin rich nan lò

avèk kwiv yo te vin pran nan tout zòn

nan. Kapitèn Mògann pa t manke

atake bato e li te fè richès pa li tou nan travay la.

Gen yon epòk, misye te vin fe zile

Ilavach tounen refij li kote li te vin

kache pou l prepare atak kont bato

ki t ap pase pou ale ann Ewòp. En

1668, li t ap prepare yon atak kont

panyòl yo, li rantre nan zile a avèk

dis(10) bato. Youn nan pi gwo bato

li yo ki te rele « Oxfort » te

eksploze.

Jis jounen jodi a, gen moun ki di gen anpil trezò ki chita

anba lanmè Ilavach nan bato kapitèn Mògann ki te koule

a. ansanm avèk lòt bato ki peri nan zòn nan. Kidonk,

depi lontan zile Ilavach te toujou yon kote moun te konn

vini pran bon jan van.

Page 29: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

29

Ti Kesyon

Kisa Ewopeyen yo te vin chache nan Karayb la ?

Kilès ki te bay kapiten nan lòd pou li atake bato yo ?

Kouman yo rele moun ke peyi yo bay otorizasyon pou

atake lot bato?

Nan ki lane kapitèn nan te rive nan Karayb la?

A konbyen bato kapitèn nan te rantre nan zile a ?

www.ile-a-vache.com

Page 30: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

30

PE MAGWON (Robert Margron)

Pè Magwon te fèt nan vil Tigwav

nan jounen 17 jen, lane 1913.

Papa l se te moun jeremi e

manman l te moun Okay. Li te

pase tout jenès li nan Jeremi kote

manman l a papa l te tabli yo.

Donk li te toujou konsidere tèt li

kom moun Jeremi. Manman l a

papa l se te bon kretyen yo te ye

ki te toujou al legliz. Pè Magwon

te toujou ap di ke se yon Pè ki te

rele Pè Foukè, nan kire pawas

legliz Jeremi, ki te make la vi li.

Pè Magwon te kite vil jeremi pou

te rantre nan seminè nan lekòl Ti Seminè Sen Masyal

nan Pòtoprens.

Lè Pè Magwon te fini seminè, li te al pase kèk jou avèk

fanmi li e li te rantre Okay kòm Vikè pawas katedral

Okay e te koumanse kolabore avek Pè Lenèt. Pa twò

lontan aprè, sou lòd Evèk la li te fè pakèt li, li rantre

nan vil Sen Jan, kòm Kire pawas la. Pawas Sen Jan te

responsab zile Ilavach tou. Yon jou konsa, Pè Magwon

pwoche Evèk Kolinyon e li te mande pou li te transfere

Ilavach. Evèk la te sezi e li mande Pè Magwon sa li pral

fè poukont li nan zile izole sa a. Evèk la te mande Pè

Magwon pou l al reflechi e pou prye sou sa. Pè

Magwon te reponn li ke li te déjà reflechi e prye sou sa.

Evèk la te bay Pè Magwon otorizasyon pou li te fonde

Misyon Ilavach e nonmen li kire zile a, men, se pat tit la

ki te enterese Pè, se te travay li te vle fè nan zile a.

Page 31: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

31

Pè Magwon rive nan zile a

nan jou 5 Me 1959, e te

ouvri yon ti chapèl nan zòn

Madan Bèna. Rantre nan

zile la pat fasil pou li, yon

zile ki te gen 6000 moun la

danl, Pè ya te fè jou e nwit

ap prye pou twoupo sa a ke

le Senyè te mete sou do li.

Lè Pè a te koumanse ap

mache nan zile a, anpil

moun te konn kouri pou li

paske yo pat konn kote

mesye sa te soti ap

Katedral Okay

mache nan zile a ak yon gwo ròb long, yon soutan, sou

li. Pè a te realize olye ki li te mache al preche, li te pi

bon pou li te chita ak moun yo, tande yo, aprann

kouman yo viv. Apre Pè a te pase kèk tan ap koute yo, li

te vin deside ki li te lè e li te tan pou li te koumanse

aprann moun zile la ke antan ke pitit Bondye, yo te gen

dwa pou moun respekte yo, pou yo gen libete yo, pou

yo travay pout tèt yo paske yo tap soufri, pat gen anyen

ki ta dwe anpeche yo jwi de travay yo. Li te mete yo an

gad kont moun ki tap rantre nan zile a vinn eksplwate

yo. Pè a te koumanse mete men a la pat, pou li travay

nan devlopman zile a. Pè a te menm rantre nan bay

swen a moun malad kou li te kapap. Li te toujou konnen

ke travay sa, se te fason pou li montre moun yo kouman

ke Bondye te renmen yo. Kèk lane aprè, zile a te

koumanse ap chanje, sant pawasyal te toujou plen moun

lè dimanch, mache a te plen a machann, bèl chan ki tap

soti nan pawas la se te tankou zwazo ki tap chante.

Page 32: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

32

Pawas Ilavache

Nan lokalite Ti Mòn, yon ti lekòl te monte e se te anpil

la jwa pou nou te wè ti moun yo kap sot lekòl. 7 chapèl

te gendan louvri nan zile a e te gen yon ti lekòl a kote

chak. Pè a te konnen ke lekòl yo pa ta pral bay filozòf,

men li te kwè ke li te enpòtan pou ti moun kon li, ekri e

konn konte. Pè a pat pase yon mwa pou li pat vizite tout

lokalite nan zile a, menm lòt ti zile ki kote Ilavach yo

tankou kayalo ak pèlantin.

Nan nwit 5 a 6 mwa dawout 1980, siklòn Alèn te frape

zile a. Nan kèlke zè, pawas la te kraze. Pè a te realize

ke fòk li te rekoumanse tout bagay, li te rele otorite yo

pou vinn edel. Elikoptè te debake pou pote manje, rad,

dlo. Pè a te kite zile a pase tout kote nan Kanada,

Etazini pou mande tankou yon pòv pou vinn o sekou

zile a. Men sante Pè a te koumanse ap desann, li pat ka

monte desann ankò e li te vinn rantre nan solitid li. Nan

jou 26 desanm 1982, Pè Magwon te ale jwen Bondye a

laj 69 van. Pè Magwon se premye moun yo te antere

nan zile a. Zile ap kontinye di Pè Magwon mesi

Page 33: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

33

Rantre djip Pè Magwon nan zile Ilavach. Se sèl machin ki janm

rantre nan zile a ki fè wout zile a.

Yon ansyen legliz nan lokalite Kakòk. Jèn yo prè pou rebati legliz la

Page 34: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

34

Sentilòm, Mèt dlo

Mwen rele Sentilòm. Mwen abite zòn Kakòk nan zile

Ilavach. Mwen gen plizyè frè ak sè, e mwen gen wuit

(8) timoun ak madanm mwen. Moun nan zile a rele

mwen Mèt dlo. Mwen pral rakonte nou pou ki sa.

Mwen se yon pechè. Sètadi, mwen pase tout jounen an

nan lanmè ap peche bèl pwason. Nan zile Ilavach se sa

ki pa manke. Ou jwenn woma, lanbi, pwason woz e tout

lòt bèl pwason. Depi mwen depoze nas mwen nan

lanmè zile Ilavach, mwen konnen m ap jwenn bèl

pwason kanmenm. Se konmsi yo te renmen m.

Mwen konn dlo anpil. Sa vle di mwen konn naje e

mwen pa pè lanmè. Lè m ap peche poukont mwen,

mwen konn mare bato nan ren mwen epi mwen plonje

anba dlo a pou mwen kenbe pwason. Lè gwo bato

touris yo ap pase, yo konn sezi pou gade kòman m ap

peche pwason e kòman mwen fè lontan anba dlo a.

Page 35: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

35

Gen de lè, mwen konn kite Ilavach pou mwen al peche

byen lwen.

Mwen konn kite lakay mwen pou plis pase yon semenn

avèk lòt pechè parèy mwen pou nou al peche jis nan

Gónayiv ki se nan yon lòt bout nan peyi d Ayiti.

Lè nou al peche lwen konsa, nou mache avèk tant e nat

nou pou nou tou dòmi nan zòn nan. Pwason nou pran

yo, nou vann yo nan mache ki pi pre kote nou peche yo.

Pou n al peche lwen konsa, leta peyi d Ayiti ba nou you

kat ki se yon lisans pou pechè.

Gen yon lè, mwen t ap peche jis Gónayiv, nou te

rankontre yon lòt pechè. Lè li mande mwen kote mwen

soti, mwen di li byen lwen, men mwen pa t di li se nan

zile a mwen te soti. Lè mwen mande li kote li soti, li di

m se Ilavach li soti. Mwen te kontan rankontre yon

kanmarad mwen ki te soti nan zile a. Nou te peche

Page 36: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

36

ansanm e nou te fè fèt pou wè jan nou rankontre alòske

nou youn pat konn lòt anvan sa nan zile a.

Jodi a gen plizyè nan pitit mwen yo ki se pechè tou. Yo

konn dlo a byen e yo konn peche pwason tou. Se avèk

anpil plezi mwen konn al peche avèk yo e gade kòman y

ap plonje anba dlo tankou m. Mesye m yo ap grandi

pou yo ka vini mèt dlo tankou m. Mwen kontan mwen

ka bay fanmi mwen yon metye pou yo sipòte fanmi pa

yo demen.

Si ou ta pase Ilavach, ou bezwen bon pwason, ou mèt

mande pou mwen. Mwen rele Sentilòm, mèt dlo

Ilavach.

Ti Kesyon:

Sa sa vle di le yon moun se yon mèt dlo ?

Ki kalite pwason ou jwenn nan zile a ?

Lè mesye al peche lwen konsa, sa yo fe ak pwason yo ?

Eske nenpòt moun gen dwa al peche lwen nan peyi ya ?

Si papa w se pechè, pale nou de li ?

Page 37: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

37

Siklòn, move tan

Depi kèk jou, gen yon move van k ap soufle nan zile a.

Nan radyo, nou tande yo ánonse move tan. Moun nan

radyo yo di se yon siklòn ki pral pase, gwo van pral

vante avèk gwo lapli ki pral tonbe. Nan zile a, tout

moun ap pran prekosyon yo. Majistra pase yon papye

pou li di nou ki kalite prekosyon pou nou pran.

Men mesaj majistra fè pase:

« - Koute radyo pou tande dènye nouvèl

- Si kay nou pa dyanm, ale kay yon vwazen, ale nan

lekòl la oubyen nan legliz la. Majistra mete nat pou

resevwa moun.

- Asire nou gen bouji ak alimèt pare.

- Asire nou gen manje pou kèk jou pou nou pa bezwen

al nan jaden.

- Rete lakay nou, pa soti, paske van ap bwote anpil

bagay ki ka frape nou.

- Si nou gen telefòn selilè, chaje li jan nou kapab e mete

li pre pou rele yon moun si nou ta gen pwoblèm. »

Page 38: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

38

Jodi a yo ánonse demen siklòn nan pral frape zile a.

Depi jodi a, nou wè lanmè a ajite, van ap vante. Tout

pechè rantre lakay yo sou lòd madanm yo. Yo monte

bato yo sou tè epi yo mare yo byen mare. Tout fanmi fè

pwovizyon, achte alimèt, bouji nan boutik kay madan

Andre. Jou sa a, tout pwovizyon madan Andre fin vann.

Tout moun mare kabrit yo, bèf yo byen mare e yo fè tout

ti poul rantre yon kote. Zile a pare pou siklòòn nan,

men gen anpil timoun ki pè paske yo pa renmen tande

bri loray.

Demen maten nou leve, nou wè lanmè monte byen wo,

van ap vante san rete. Anpil kokoye ap tonbe, lam

veritab gaye. Pesonn moun pa soti paske y ap suiv kon-

sey majistra a. Timoun yo kòmanse ap kriye. Tout

manman tonbe chante bèl ti chante pou kalme yo. Pi

gran yo menm ap tire kont. Sa te fè timoun yo vin

konsole. Papa m menm ap veye kote pyebwa ap tonbe.

Tanzantan, li fè yon vire nan lakou a pou l asire l bèt yo

byen mare. Tout jounen an, lapli tonbe san rete, solèy

Page 39: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

39

pa leve. Nou te prepare bon pwason bouyi pou nou

manje jiskaske nou dòmi.

Vè senkè nan maten, nou tande kòk ap chante, tout

moun leve pou ranmase kokoye, mango, labapen avèk

lam veritab. Papa m fè yon virewon, li wè kòd bèf la

mare, li demare li. Kabrit yo te deja kòmanse manje,

men, van te kontinye ap vante. Gen de(2) fèy tòl nan

kay vwazen an ki vole, men li te jwenn yo. Ti mesye yo

monte al kloure l pou li. Madanm vwazen an di li

menm li fè tout lannwit lan avèk bib li nan men l,

kidonk, li pa t pè. Gen anpil netwayaj ki gen pou fèt.

Gwoupman mesye yo te reyini vè midi pou yo fè konsta.

Tout moun te deja mache avèk manchèt yo pou yo fè

netwayaj e debare wout la. Medam yo te ranmase kont

lam veritab yo pou yo al bouyi bay mesye yo manje

pandan yo ap travay. Timoun yo menm t ap ranmase fèy

Page 40: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

40

Yon lòt fwa ankò, move tan te frape zile a, men pa t gen

okenn moun ki te viktim. Majistra t ale Okay pou li fè

ánons nan radyo li t apral pote kole avèk gwoupman yo.

Nan twa(3) jou, zile pral bèl ankò paske tout moun ap

mete tèt ansanm pou ranje li jan li te ye a. Siklòn pase,

men Ilavach rete

Ban nou sonje kek konsey majistra te bay ?

Kisa papa n ak manman n konn fè le move tan pou evite

dega?

Ki kote mou lakay ou mete bèt yo le move tan ?

Eske ou pè lè move tan ap pase ?

www.ile-a-vache.com

Page 41: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

41

Sè Flora

Sè Flora se yon Mè kánadyèn ki se yon enfimyè tou ki

abite sou zile Ilavach depi 1981. Lè Sè Flora te rive sou

zile a, sa te fè li lapenn pou li te wè anpil timoun ki pa te

gen manman avèk papa e ki te malald. Se konsa li te

fonde yon òfelina kote li t ap pran swen plizyè timoun e

li te deside rete sou zile a. Ofelina Sè Flora rele “Ev

Sen Franswa”, li gen anpil timoun ki andikape, sa vle di

ki pa ka mache oubyen lespri yo pa twò avanse. Sè

Flora met sou pye yon lekòl ki gen anpil timoun, li

genyen yon dispansè tou. Genyen tou yon lekòl ménaje

kote jenn fi ak jenn gason aprann metye fè manje, konn

koud ak fè bwodri.

Sè Flora renmen timoun anpil.Lè li avèk yo,ou ta di se

pitit li yo ye. Sè Flora pa wo, men w a gen kouraj pa w.

Li debou depi byen bónè pou li ede timoun yo e li pa

Page 42: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

42

janm bouke travay. Gen moun ki mande kote li pran

kouraj sa a. Lè konsa, li reponn se Letènèl k ap travay

Moun nan zile a renmen Sè Flora anpil. Li toujou la

pou tout moun. Sè Flora se youn nan moun k ap rete

nan listwa zile a pou toutan. Nou deklare Sè Flora, Sent

Flora

TI Kesyon

Nan ki peyi Sè Flora soti ?

Ki lane Sè Flora rantre nan zile a ?

Ki sa yon òfelina ye ?

Kòman yo rele òfelina Sè Flora a ?

Sa sa vle di lè yon moun andikape?

Eske ou konn Sè Flora ?

Kisa ou ta renmen fè pou zile a lè ou gran ?

Page 43: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

43

Page 44: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

44

ELEKSYON

Mwa sa a, gen eleksyon nan Ilavach. Se mwa sa a

moun nan zile a pral chwazi ki moun ki prale majistra

pèp la. Majistra a, se li ki tankou prezidan zile a. Li

dwe travay e pran desizyon pou ede zile a avanse. Tout

moun ki gen pase dizuit(18) láne gen dwa chwazi ki

moun yo vle kòm majistra nan eleksyon an.

Gen anpil aktivite sou zile a nan mwa eleksyon. Chak

kandida ap pwomennen pale sa yo wè yo te ka fè pou

zile a. Yo fè reyinyon nan chak kominote. Yo kole foto

yo sou tout pyebwa. Yo mache eksplike kouman yo pral

fè zile a vini pi bèl e kouman yo pral fè tout moun gen

lavi miyò.

Mèt Andre se yon pwofesè lekòl. Li kandida pou

majistra Ilavach. Daprè li, se edikasyon ki pi enpòtan.

Mèt Andre di se edikasyon timoun yo ki kap fè zile a

Page 45: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

45

vini yon gwo zile demen. Mèt Andre pwomèt pou li

mete plis lekòl sou zile a epi tou pou li mete klas filozofi

pou timoun zile a pa bezwe ale fini etid yo lavil Okay.

Mèt Andre pwomèt pou li fè alfabetizasyon nan tout

zile pou anvan senk(5) láne, tout moun ka konn ni li, ni

ekri. Misye se moun Soulèt e se yon bon pwofesè lekòl.

Agwónòm Michèl se yon gwo agrikiltè. Li kandida

pou menm pòs la tou. Agwónòm nan kwè se pou zile a

ka bay pwòp tèt li manje. Li pwomèt pou li fè tout zile a

vini tou vèt ak pyebwa, plantasyon legim avèk fwi. Li

vle vini avèk nouvo teknik pou plantè nan zile a ka fè

plis manje. Li pwomèt tou pou li mete twa(3) bèl

mache sou zile a, kote machann yo ka vann bèl fwi avèk

legim yo.

Se yon moun ki renmen travay latè anpil e jaden li bèl

pase pa tout lòt moun.

Mesye Chal se yon lòt kandida ki t ap viv nan

Pòtoprens, men ki tounen sou zile a. Li menm ki konn

vwayaje aletranje kwè pou jan zile Ilavach bèl, se pou li

tounen yon paradi pou touris ka vini e pou anpil moun

kapab travay. Li pwomèt li pral netwaye tout plaj, mete

Page 46: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

46

bato pou touris epi al pale de Ilavach tout kote li pase.

Se yon nonm ki renmen tout moun e li toujou ap pale de

bèl istwa Ilavach nan tan lontan.

Nan zile a, tout moun ap pale de kandida pa yo.

Mesye Jera di li menm li gen de timoun piti ; li vle yo

resevwa bon jan ledikasyon. Antwánèt li menm di se

yon bèl mache li ta renmen wè nan Soulèt pou li ka vann

bèl berejèn mari li Aselòm pote chak jou soti nan jaden.

Tijo li menm gen de(2) bato ; li di li pare pou resevwa

touris yo paske pa gen moun ki konn lanmè Ilavach pase

li e se madanm li ki konn kwit pi bon lanbi nan zile a.

Jodi a se jou eleksyon. Gen anpil kè kontan, anpil pale

anpil. Chak kandida ap pase de kay an kay pou yo

ankouraje moun al vote pou yo. Tout granmoun byen

chèlbè pou y al vote. Tout timoun ap gade.

Tankou timoun ki lekòl, tout granmoun kanpe an liy

devan biwo vòt la pou yo vote. Tout bagay ap pase nan

lòd.

V

O

T

E

Page 47: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

47

Zile Ilavach kontan paske yon konnen tout kandida yo

se moun serye ki vle fè bon travay. Kandida yo pwomèt

pou yo ede kèlkanswa kandida ki vini majistra zile a

paske zile la se pou yo tout. Se yon bèl jou nan Ilavach.

Ti Kesyon

Kisa yon eleksyon ye ?

Kisa role majistra nan bouk la?

Kisa sa vle di lè moun al vote ?

A ki laj ou ka vote nan peyi nou ?

Di nou kisa chak kandida yo di yo pral fè pou bouk la ?

Si ou ta majistra, kisa ou ta fè pou zile a ?

SE TOUT DWA W

E SE DEVWA W

www.ile-a-vache.com

Page 48: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

48

GRANN

Grann, se te yon ti granmoun ki te abite nan yon bèl ti

kay avèk mari li Pè Enòk. Lè nou te piti, se te pi bèl

plezi pou nou t ale pase vakans nan lakou kay grann.

Grann pa t gen anpil pitit pitit, men lakou li te toujou

chaje avèk timoun. Gen anpil ladan yo li pa te menm

konnen. Grann, sete grann tout moun. Li te youn nan

dényè jénerasyon pa li yo ki te rete

Grann pa t konn ni li, ni ekri, men, lè grann leve le

dimanch pou l ale legliz, liv chan li anba bra li e bib li

nan men gòch li. Ou pa t ka chante pi byen pase li. E

pa gen moun ki te konn vèsè labib pase Grann. Yo

menm di Grann te konn Sòm 119 pakè. Si nou pa

konnen, se sòm ki pi long nan bib la. Mesye ki te

konnen Grann pa t konn li yo te toujou soti pou yo fè

koutay sou Grann nan koze lajan. Men, Grann te konn

lajan pase yo. Depi ou pran nenpòt chif, ou ajoute goud,

Page 49: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

49

ki se lajan peyi a, dèyè li, Grann ap ba w adisyon,

soustraksyon, miltiplikasyon, e divizyon.

Lè nou te rive kay Grann, galta l te toujou plen mango

ap tann nou. Grann te konnen zafè

mango a, se te zafè pitit pitit li yo.

Manje Grann yo te gen yon lòt gou

paske se te manje fre, sa nou rele

kounye a manje byolojik. Tout bagay te

natirèl, yo soti dirèkteman nan jaden

Grann. Grann pa t kite lòt moun fè

manje pou nou paske li te mefye

oubyen li te pè malfektè.

Depi li te sizè di swa, ou mèt konnen manje te pare. Lè

konsa, se te yon konbit ki te gen kay Grann, paske tout

timoun te debake pran pòz se yon bagay yo te vin

chache ou byen etidye yo ti

vin etidy kay Grann. Men,

Grann te konnen se dèyè

manje yo te vini, e li te

toujou fè ase pou tout moun.

Cheve Grann te swa e byen

blan. Sete yon plezi pou tout

ti medam nan katye a pou yo

te penyen tèt Grann. Lè konsa, yo te konn bay Grann bèl

kout peny. Grann te renmen sa, men Pè Enòk li menm,

sete yon mesye apa ki pa t renmen tout koze sa yo nan

lakou li ya. Sèlman, li pa t plenyen lè yo te pote yon

bon ti manje pou li. Lè apremidi, tout sote kòd, tire

kont, domino, sete kay Grann sa te fèt. Lakou a te

tounen yon pak pou jèn yo.

Page 50: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

50

Grann te gen yon sèl defo, li te tèti. Menm si li ta

malad, fòk li leve pou l ale nan jaden. Ou te mèt kouri

dèyè li, li pap tande w. Se paske Grann pa t jwe nan

koze bay pitit li manje.

Yon jou pandan Grann te nan jaden, Fransiyis t ap keyi

yon lam veritab, youn nan lam veritab yo te tonbe sou

tèt Grann e li te tonbe atè a ; je li te frape nan yon rasin

pyebwa. Grann te tonbe endispoze. Grann te vin leve e

li te fè kè jou kouche. Yo te mennen li nan dispansè a.

Yo te di Grann li te lè pou li te kite zafè ale nan jaden

paske li te gen swasantdisèt (77) láne.

Yon bon jou, li te vè senkè, nou te fèk fin jwe yon ti

macth foutbòl, nou te rantre. Nou tout te grangou, nou t

ap mande kot manje a. Lè li te fè pase sizè, li te

kòmanse ap fè nwa e nou wè Grann pa t mete chodyè

nan dife. Se lè sa a nou kòmanse ap rele Grann. Nou

pase nan tout vwazinaj, nou pa t jwenn Grann. Youn

nan timoun yo pase pa dèyè lakou a, li jwenn Grann atè

Page 51: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

51

nan jaden an. Grann pa t ap respire e foumi te kòmanse

ap monte sou li. Letènèl te rele Grann. Li te mouri avèk

de(2) lo patat ak lam veritab bò kote li pou li te al ba

nou manje. Grann pa t ka kite pitit pitit li yo pase yon

jounen san se pa li ki ba yo manje. Tout bouk la te nan

lapenn. Premye rèl la te bay e tout moun te debake. Yo

pa t ka kwè Grann ta mouri konsa.

Nan lantèman Grann, tout gwo zotobre nan bouk la te

debake. Anpil ladan yo se Grann ki te konn ba yo ti

manje lè yo te soti lekòl e bay yo ti kòb pou yo te al fè

filozofi yo lòt kote. Nan mesye sa yo, genyen ki te vin

majistra, chèf seksyon, agwónòm, e menm depite.

Gen youn nan mesye ki gade sèkèy la, li souke tèt li epi

li di : « Gade n ap pran pòz save nou, n ap pran pòz

entèlektyèl nou. Pouki se pa t yon moun konsa ki t ap

dirije peyi a. Lakou li plen ak pyebwa, jaden li bèl,

timoun li toujou byen manje, li voye anpil nan nou

lekòl, li pa janm mande moun lajan e sete yon granmoun

ónèt. Se pa sa n ap chache ? »

Granmoun tankou Grann, pa t gen anpil tankou l.

Page 52: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

52

AGWONOM IZARAK

Konpè Zache se yon jèn gason ki rete nan zile a, pa

anwo. Papa l ak manman l te kite l lontan pou peyi san

chapo. Zache te fè efò pou li te kontinye al lekòl

jiskaske li te rive nan klas katriyèm segondè.

Zache pa t kite lavi a dekouraje li. Kòm papa l te gen

anpil tè, li te fè efò pou li te kontinye travay latè menm

lè li te pral lekòl. Zache te konn valè ledikasyon, e se

pou sa li pa t manke okenn fòmasyon yo t ap bay nan

bouk la nan koze agrikilti paske se sou sa li t ap viv.

Zache gen yon bèl jaden e jodi a li vle remesye yon

agwónòm ki te pase nan zile e ki te montre li kouman

pou li te kenbe jaden li bèl. Se te agwonòm Izarak.

Kanmarad Izarak sete moun Labòd, zòn ayewopò Okay.

Depi li te piti, li te toujou pral nan jaden avèk papa l li ki

te yon gwo plantè. Lè kanmarad Izarak te vin gran, li pa

t wè lòt bagay pou li te fè, sete pou li te vin agwónòm

pou li kontinye nan chimen papa li. Kanmarad Izarak te

Page 53: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

53

pran leson tout fason. Kote li jwenn yo li pa t manke yo,

li te toujou ap veye lè etranje yo ap rantre pou bay

fòmasyon pou li patisipe. Li te menm pran kou pa

korespondans avèk lekòl aletranje. Misye te renmen

lakónesans. E avèk sa, li te vini yon bon agwónòm.

Agwónòm Izarak sete yon moun ki te kwè anpil nan

lapratik. Se sa k fè lè ekspè yo te soti Pòtoprens ou

byen aletranje pou vin bay fòmasyon, li te toujou di yo

tewori se pawòl bouch ak papye e li menm papye pa li

sete latè a. Kidonk, agwónòm lan te toujou mande pou

yo te fè de(2) jou anplis nan bouk la pou yo te mete sa

yo t ap di a nan lapratik. Anpil nan ekspè yo te konn

dakò ak agwónòm nan, men kèk fwa sa pa t pase byen

pou yo paske sa yo t ap di nan tewori a pa t pwouve sou

teren an. Dèfwa, se agwónòm nan ki te vini avèk ti

tewori pa li pou li te fè sa mesye yo t ap di a mache.

Lè agwónòm nan ap asiste fòmasyon sa yo, gen moun

ki te konn di li te poze twòp keksyon, e li t ap fè ekspè

yo wont. Agwónòm nan te konn souke tèt li pou li

eksplike: “Mesye, se depi m piti m ap travay tè sa nou

wè la a. Tè peyi d Ayiti pa menm jan ak okenn lòt tè.

Se konmsi m ta di nou zansèt nou yo ki te travay di kòm

esklav te vèse san yo sou tè pou okenn lòt nasyon pat

vin pwofite li. Tè a vin mistik. Ou pa ka pran kónesans

ki soti lòtbòdlo pou vini aplike li pa bò isit konsa.

Kónesans lan bon se vre men m ap di nou, li pap janm

mache si nou pa melanje li avèk sa

sanzèt nou te kite pou nou. Pa bliye

mesye, se plis pase desanzan yo te

fè ap travay tè sa a. Pa gen liv ki ka

ranplase kónesans sa a.

Page 54: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

54

Agwónòm Izarak te konn sa li t ap pale a. Li pa t janm

refize kónesans lan, men li te konn sa pou l te pran ki te

bon, sa pou l te rejte. Li te konn pran tan l tou pou li fè

eksperyans pa li nan melanje de

kónesans yo.

Se nan konsa li te vin fò nan

koze grefe mango pou donnen

plis e nan zafè piman. Li te

mache grefe anpil mango nan

zile a. Li te vin louvri yon ti

lekòl kote li te bay fòmasyon.

Lekòl agwónòm nan pa t fèt

sou papye. Sete mete w atè pou

ou pran kónesans nan mitan

jaden an. Agwónóm pa t yon moun ki te pale anpil,

men, si ou te vin ak koze agrikilti sou li, ou byen si ou te

vin bay kónesans nan bouk la, li t ap di w sa li gen pou li

di w la.

Page 55: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

55

Se konsa tout etranje ak lòt Ayisyen ki te enterese nan

koze agrilkilti pa t ka desann nan ayewopò Okay la pou

yo pa mande pou agwónòm nan. Agwónòm nan te bay

tèt li kòm misyon pou li pa t kite kónesans sa a kache e

li te di li pap kanpe toutotan li pa fòme plis pase desan

(200) jèn teknisyen agrikòl.

Lè ou te rankontre agwónòm Izarak,

sete toujou avèk gwo bòt li ou te wè li,

li pral nan jaden. Li pa t gen lòt

inifòm. Men sèlman, lè agwónòm nan

deside pou li abiye, pa t gen moun

chèlbè tankou l.

Jodi a agwónòm nan di rèv li se pou

pandan li chita lakay li ya bò ayowepò pou l ap konte

avyon k ap debake chak jou k ap vin pran bon pwodui

byolojik, san angrè chimik tout zòn Sid la pwodui ki

fèt apati de kónesans syantifik e kónesans zansèt nou

yo.

Ti Kesyon

Kisa yon agwónóm ye ?

Lè ou plante yon pye bwa, kisa ou fè pou li ka leve

byen ?

Kisa yon legim ye ?

Kisa yon fwi ye ?

Kisa ou konn wè manman w ak papa w ap plante?

Poukisa nou pa dwe koupe pye bwa ?

Page 56: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

56

Yon pesonaj ap pale

Tande Mr. Lelio Justin kap pale nou de kèk istwa nan

devlopman Ilavach.

Na peyi nou, sitou nan zòn

pwovens yo, lè yo di ke yon moun

se yon pèsonaj, sa vle di ke se yon

moun dwat, ke tout moun respekte

nan bouk la. Lè ou rive nan zile

Ilavach ou mande pou mesye Lelio

Justin, yap di w ou se yon pesonaj

li ye. Misye Lelio te fèt nan lane

1942, nan jounen sèt (7) jiyè, nan lokalite Gran Sab. Li

te ale lekòl nan prestibè nan soulèt. Apre ke li te fini

lekòl li, li te kòmanse travay avèk kèk prêt nan sakristi e

li te pwofesè lekòl tou. Apre sa, en 1975, li te swiv yon

seminè nan kesyon agrikilti., pwoteksyon sòl, pepinyè e

preparasyon plantil. Li pat janm kite zile a. Mesye Lelio

te vin ouvri yon lekòl paske li te vle pataje konesans li e

alfabetize tout moun nan zile a. Lekòl sa te louvri an

1963.

Mysye Lelio rakonte nou ke chanjman nan zile a

koumanse nan lane 1950 avèk rantre Pè Magwon

(Margron) ki te soti nan pawas Sen Jan di Sid. Avan

1950, la plipa moun nan zile a pat konn afè al legliz e

pat tèlman gen lekòl pase sa. Pè Magwon te jije bon pou

li te rantre nan zafè mete lekòl nan zile a. Se konsa nan

ane ki tap vini yo anpil lekòl te tabli ke nou te jwenn

nan Kakòk, Lahat, Bale Raz, Dantèl, Madan Bèna,

Soulèt.

Page 57: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

57

Anpli moun sou zile a te plis sou koze rara, matigra,

donk avek lekòl sa yo, fanmi te koumane al legliz e

legliz te koumanse ap etabli sou zile a e plis ti moun te

koumanse al lekòl.

Pè Magwon te rantre nan zafè

devlopman anpil. nan lane 1972

yo te gentan gen wout nan zile

prèske soti nan pwent ès rive

nan pwent wès. Pè Magwon se

sèl moun ki te janm vini nan

zile a ak machin. Lòt moun te

koumanse rantre ak motosiklèt

tou. Pou wout te kenbe, chak

lokalite te gen gwoupman

kominòtè yo ki tap travay avèk

leta peyi a. Nan fen ane 79 a

80 yo, leta te koumanse lage sa

e gwoupman pat gen mwayen pou yo te kenbe, wout yo

te fin craze. Jiska jounen jodi a, ou ka soti nan pwent ès

rive nan pwent wès, men wout la pa bon ankò.

Misye Lelio rankonte nou ke gras a Pè Magwon, zile te

koumanse fè bèl devlopman, men pat gen lòt moun ki te

vinn ranplase Pè Magwon ki te mouri nan lane 1982 e

leta te vinn lage zile a nèt. Misye Lelio ki gen twa pitit

di ke zile pa bezwen twop bagay, ni twop moun ki ap

vinn fè gwo koze ladanl, rèv li, se pou li ta wè travay ke

Pè Magwon te koumanse a kontinye, pou ti moun al

lekòl, pou abitan zile aprann travay tè a pi byen e pou

pechè jwen sipò pou yo achte bon nas avèk bon bato

pou yal peche. Misye Lelio di lap tann nou, si nou vle

edi zile a.

Page 58: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

58

Chache Mo

Page 59: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

59

1 Moun ki fè m nan vann mwen. Moun ki achte m nan pa sèvi avè m. Moun ki

sèvi avè m nan pa wè m

4 Fezè nat fè nat epi li domi atè

5 Dlo kouche

7 Manman m gen 3 pitit; si youn pa la, 2 pa sèvi

9 Kotem pase, wap swiv mwen 10 Piti piti leve madan prezidan sou

chèz

12 Dlo kampe

13 Mwen gen yon bagay lakay mwen, si mwen pa pete de jel, li pap travay

2 Dlo pandye

3 Papa m' bati yon kay tout an klou

6 Mwen pi wo lèm chita ke lèm kanpe

8 Abiye san soti

10 Mwen rantre blan, mwen soti milat

11 Piti piti fè lonè prezidan

REPONS YO NAN LIV LA, WA

CHACHE KONNEN PASKE FOK

NOU PA BLYE TI KRIK KRAK NOU.

Page 60: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

60

aken

kavayon

senlwidisid

okay

Kanperen

Tòbèk

lakot

pòapiman

wochabato

pòsali

anikè

senlwidisid

chantal

manich

Ilavach

chadonyè

lezanglè

tibiwon

CHACHE VIL NAN DEPATMAN SID LA

Page 61: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

61

ka

ko

k

Ma

da

n B

èn

a

Men Patrik ki rive nan zile a, epi ki deside soti Kakòk pou

li ale Madan Bèna. Li panse li konn wout, e li koumanse

vire ron tèlman li pedi. Tanpri edel jwen chimen soti

Kakòk pou rive Madan Bèna

A a, Mysye Patrik Pèdi!

Tanpri edel jwen wout li.

Page 62: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

62

aekn

kyavaon

sniseliiwdd

oaky

Kapnreen

Tòèbk

canhtal

maicnh

Icavalh

cdoyhanè

lzengalè

tibwoin

lokat

ppaiòamn

whòtacabo

pslòai

mntaeanw

nogwm

eabbnesl

seètl

snkema

lmbee

agwtvi

aonkvya

yaeognl

miaagwrn

gonyiav

Pepdòè

sieiwdsnlid

poepntròs

oakp

twigav

Vil Peyi Nou. Ranje mo sa yo ki anba pou fè non kèk vil nan peyi d’Ayiti

Ekzamp: tihia = haiti

Page 63: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

63

Page 64: Mwen Renmen Ileavach

Jean-P

atric

k Luci

en

Jean-P

atric

k Luci

en

64

Mèsi dèske ou te li ti liv zile Ilavach.

Nous espere wèw yon lè

Nap toujou akeyi w ak kè kontan

www.ile-a-vache.com