devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen dirab.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di...

45
1 AKADEMI KREYÒL AYISYEN ÒGANIZASYON NASYONZINI POU EDIKASYON, LASYANS AK LAKILTI (UNESCO) Sansibilizasyon jèn nan segondè, jèn nan inivèsite ak manm òganizasyon sosyete sivil yo sou devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen Sektanm 2016

Upload: others

Post on 06-Jul-2020

5 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

1

AKADEMI KREYÒL AYISYEN ÒGANIZASYON NASYONZINI

POU EDIKASYON, LASYANS AK LAKILTI (UNESCO)

Sansibilizasyon jèn nan segondè, jèn nan inivèsite ak manm òganizasyon sosyete sivil yo

sou

devlòpman dirab ak

pwoblèm ki konsène sitwayen

Sektanm 2016

Page 2: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

2

Kontni ak opinyon ki esprime nan piblikasyon sa a sou reskonsablite otè dokiman an sèlman, yo pa reprezante opinyon Akademi Kreyòl Ayisyen ak UNESCO dirèk-dirèk, konsa, yo pa ka gen okenn konsekans pou enstitisyon sa yo. Enpresyon : UNESCO Ayiti, sektanm 2016

Page 3: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

3

TAB DÈ MATYÈ

Paj

PREZANTASYON 4

MÈSI ANPIL ! 5

I. DEVLÒPMAN DIRAB 6

1.1. Eta planèt nou an 7

1.2. Kisa nou ka fè ? 14

1.3. Devlòpman dirab 15

II. YON SITWAYEN NAN NOUVO KONTÈKS MONDYAL LA 22

2.1. Sitwayen lemonn 23

2.2. Kouman yon bon sitwayen dwe ye jounen jodi a ? 24

III. AKSYON YON BON SITWAYEN NAN KONTÈKS AYITI A 28

3.1. Aksyon lokal – Ajenda 21 lokal Ayiti 29

3.2. Jès yon bon sitwayen nan lavi pèsonèl li 30

3.3. Jès yon bon sitwayen nan lekòl li ak nan inivèsite kote li ye 33

3.4. Jès yon bon sitwayen nan katye li, nan komin l ap viv 35

3.5. Jès yon bon sitwayen nan òganizasyon kominotè yo 37

3.6. Jès yon bon sitwayen nan sendika yo ak nan lòt asosyasyon 37

REFERANS 40

ANÈKS 42

Anèks I : Sigjesyon pou itilizasyon bwochi a 43

Anèks II: Ann reflechi ansanm! 45

Page 4: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

4

PREZANTASYON Nan ane 2002, Asanble Jeneral Nasyonzini te adopte Rezolisyon 57/254, ki te pwoklame yon peryòd Dizan (yon deseni) nan Edikasyon pou Devlòpman Dirab (DEDD), yon peryòd ki te fikse nan entèval 2005-2014. Asanble a te tou pwofite bay UNESCO reskonsablite kondi deseni an. Konsa, UNESCO te gen reskonsablite prepare yon pwogram pou pèmèt deseni an aplike sou plan entènasyonal. Youn nan gran pwen ki defini wòl UNESCO ak wòl Eta ki manm Nasyonzini yo, nan kesyon Edikasyon pou Devlòpman Dirab la, se fè piblik la pran plis konsyans sou konsèp dirabilite a. Se nan sans sa a UNESCO mete ansanm avèk Akademi Kreyòl Ayisyen kòm patnè li, pou pèmèt bwochi sa a reyalize avèk tit «Sansibilizasyon jèn nan segondè, jèn nan inivèsite ak manm òganizasyon sosyete sivil yo sou devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen ». Chak enstitisyon yo gen objektif pa yo, se vre, men, nan reyalizasyon travay sa a, objektif youn rankontre ak objektif lòt. Lè UNESCO antre nan sansibilize piblik la sou kesyon devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen, se paske li kwè si pou limanite rive genyen yon seri sosyete ki chita sou jistis, yon seri sosyete ki solid, fòk popilasyon yo pran konsyans sou sa dirabilite a ye, fòk yo gen bon jan konesans ak konpetans pou pèmèt limanite rive nan mòd sosyete sa yo. Vrèman vre, depi sitwayen yo byen enfòme, y ap kapab ede limanite reyalize bèl objektif sa a, paske 1) y ap kapab bay chwa gouvènman peyi yo adopte sipò, nan fason yo chak konpòte yo nan lavi pèsonèl yo, nan sa k konsène jesyon resous peyi a, ak nan lòt bon konpòtman ankò, 2) sitwayen yo ap kapab apiye gouvènman lakay yo, lè yo adopte yon seri lwa sou devlòpman dirab, pou byennèt sosyete a, 3) sitwayen yo ap kapab vin gen bon konprann lè y ap achte sa yo bezwen, pou yo ka chwazi achte pwodui ki pa gen gwo konsekans sou anviwònman an, epi antrepriz anndan peyi a ap konprann yo gen yon responsablite sosyal ki oblije yo pwoteje sitwayen yo avèk anviwònman an, nan kalite pwodui y ap fè pou vann moun yo ak nan kalite pwodui ki ka reprezante danje pou anviwònman an. Lè Akademi Kreyòl Ayisyen an mete tèt ansanm ak UNESCO pou reyalize bwochi sa a, se paske li menm, l ap akonpaye pèp Ayisyen an nan batay l ap mennen pou pèmèt li rive jwi dwa li genyen pou l jwenn bon jan enfòmasyon nan lang kreyòl la, ki se lang matènèl li, premye lang ki ka pèmèt li jwenn wout konesans ki itil li, konesans ki ka rann lavi li miyò, yon fason pou pèmèt tout sitwayen alawonnbadè patisipe nan tout efò k ap fèt pou chanjman sosyete a. Kit se pou pèmèt sitwayen Ayisyen jwi dwa lenguistik yo kòm pèp, kit se pou entegrasyon ak patisipasyon tout sitwayen nan sa k ap fèt, se de objektif ni Akademi Kreyòl la ni UNESCO pataje san pou san. Bwochi sa a fèt an twa (3) pati : 1) devlòpman dirab, 2) yon sitwayen nan nouvo kontèks mondyal la, 3) aksyon yon bon sitwayen nan kontèks Ayiti a. Apre sa, nou jwenn yon referans bibliyografik ki prezante kèk tèks ki te enspire elaborasyon bwochi a epi k ap pèmèt itilizatè yo ale pi lwen sou pwoblèm devlòpman dirab la ak kesyon sitwayen an ; nou jwenn yon anèks sou sigjesyon pou moun k ap anime atelye refleksyon ak patisipan yo, epi, kèk kesyon pou fè atelye refleksyon sou pwoblèm yo. Akademi Kreyòl Ayisyen ak UNESCO swete pou tout sitwayen rive mete prensip ki nan konsèp devlòpman dirab la an pratik pou pèmèt chanjman nan sosyete a, pou byennèt ak lapè nan sosyete a avèk pou limanite. __________________________________ _________________________________

Jean Pauris JEAN-BAPTISTE Paul GOMIS Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen Reprezantan UNESCO ann Ayiti

Page 5: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

5

MÈSI ANPIL ! Akademi Kreyòl Ayisyen mete ansanm ak UNESCO pou di tout moun ki te bay kout men nan reyalizasyon travay sa a, nan kèlkeswa fason an, yon gwo mèsi. Nou sonje kontribisyon: Jun MOROHASHI : Espesyalis Pwogram Edikasyon, UNESCO, (Konsèy teknik) Jean Luc TONDREAU : Espesyalis Edikasyon, UNESCO, (Konsèy teknik) Kesler BIEN-AIMÉ : Ekspè Komisyon Nasyonal Ayisyèn pou Koperasyon avèk

UNESCO (konsèy teknik-revizyon) Edric Richard RICHEMOND : Ekspè Komisyon Nasyonal Ayisyèn pou Koperasyon avèk

UNESCO (konsèy teknik-revizyon) Philippe Jean R. DALEXIS : Ekspè Komisyon Nasyonal Ayisyèn pou Koperasyon avèk

UNESCO (konsèy teknik-revizyon) Luna GOURGUE : Sekretè Egzekitif Akademi Kreyòl Ayisyen (kòdinasyon teknik) Rodny L. ESTÉUS : Akademisyèn (revizyon tèks la) Grégory CALIXTE : Akademisyen (revizyon tèks la) Rogéda D. DORCIL : Akademisyen (revizyon tèks la) Wilner DORLUS : Enstiti Kreyòl Entènasyonal (Konsepsyon/Elaborasyon)

Page 6: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

6

I. DEVLÒPMAN DIRAB

Page 7: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

7

I. DEVLÒPMAN DIRAB

1.1. Eta planèt nou an

a gen kèk tan depi nou tande y ap di planèt n ap viv sou li a menase, li pa an sante. Nou menm tou, nou

ka remake plizyè siy nan lanati ki moutre sa. E, chak jou ki pase, n ap santi sa nan lavi nou dirèkteman, nan lavi kretyen vivan parèy nou ak nan fason sitiyasyon tout lòt espès ki gen lavi sou latè vin ye, yon sitiyasyon k ap detòryore ti kras pa ti kras. Pwoblèm sa a bay limanite gwo enkyetid. Yon enkyetid ki anvayi ni gran peyi ni ti peyi. Tout sitwayen k ap viv sou latè konsène, nan kèlkeswa peyi yo ye, nan kèlkeswa sosyete a, e nan kèlkeswa nivo yo ye nan sosyete yo. Syantifik yo ap kalkile pou yo konprann pwoblèm nan pi byen, otorite nan chak peyi ap kalkile pa ki mwayen yo ka fè fas kare avèk li, chak sitwayen vin gen reskonsablite pa yo tou devan sitiyasyon an. Nou menm ann Ayiti, se sou planèt la n ap viv tou, nou chak sitwayen ayisyen, nou konsène. Li enpòtan pou n chache konprann pwoblèm nan pou n ka wè kisa nou dwe fè.

Kèk pwoblèm nou plis remake sou latè, kit nan lemonn antye, kit ann Ayiti

Tanperati a Si klima sou planèt la t ap evolye nan fason natirèl li, planèt la t ap rafredi tou dousman epi t ap rive yon lè, li t ap gen yon bann gwo gwo blòk glas sou li, jan sa te deja rive depi kèk tan. Epoutan, se lekontrè n ap konstate. Depi plis pase ventan, planèt la ap vin pi cho chak jou ki pase. Gwo glas ki nan zòn Aktik yo ap fonn, forè yo ap pran dife vire-tounen nan sèten zòn. Gen kèk zòn, chalè a touye granmoun ak tibebe. Depi yon syèk, chalè sou planèt la pran abitid moute brid sou kou. Fenomèn El Ninyo a se yon egzanp. Gwoup ekspè Nasyonzini k ap travay sou klima planèt la (GIEC) prevwa, nan fen syèk n ap viv la, chalè a ka monte ant 1,10 C al pou 60C, yon degre tanperati ki depase pi wo degre syèk anvan an te atenn.

S

Page 8: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

8

Lanmè yo

Lè tanperati a monte nan wotè sa yo, gen anpil menas pou lanmè a moute disèt wotè, epi vire-tounen, kapab gen siklòn nan zòn twopikal yo. Lanmè a vin monte pi wo, akòz gwo chalè a fonn gwo montay glas yo, ki vin tounen dlo epi konsa, yo vin ogmante nivo lanmè a.

Vrèman vre, depi kèk tan, n ap tande gen inondasyon k ap fè ravaj nan diferan zòn sou planèt la. Nou pa bliye ouragan Katrina ki frape Nouvèl Òleyan ak Lwizyàn oz Etazini, nan mwa out 2005. Lòt pwoblèm lanmè a ankò : li vin polye, li sal, li kontamine, yo lage twòp fatra, twòp dechè nuizib ladan l. Epitou, lanmè a ap vin polye, akòz sèten izin pran abitid lage dechè chimik pwazonnen ladan l. Nou chonje an 1986, bato Khian Sea vin lage dechè pwazonnen nan lanmè Ayiti a, nan zòn Gonayiv. Lè lanmè yo polye, se tout espès vivan ladan yo k ap disparèt.

Dlo pou moun sèvi

Rezèv total dlo sou planèt la anpil. Men, se sèl 0,5% nan tout dlo sa a, moun ka itilize pou bezwen yo. Kantite nan dlo sa a, n ap itilize sou planèt la, gentan depase valè dlo ki nesesè pou ta pèmèt menm kantite a ta ka renouvle pou lè nou bezwen ankò. E, sa k pi rèd la, sèke : gen 1,2 milya moun sou

Page 9: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

9

latè ki rete san yo pa jwenn dlo pou yo sèvi avèk 2,5 milya moun ki pa jwenn dlo pou yo fè lapwòpte. An 2020, li posib pou kantite dlo dous n ap bezwen pou n sèvi, rive depase mwatye kantite ki te genyen sou planèt la, nan ane 90 yo. An 2025, sou 8 milya moun k ap gen sou planèt la, apeprè 2,4 milya p ap ka jwenn dlo dous pou yo sèvi. Sa montre dlo se yon resous ki ka fini si yo pa byen jere sa k disponib sou tè a.

Bèt yo

Diferan espès vivan ki sou planèt la fòme sa yo rele biyodivèsite a. Yon ka (1/4) nan diferan espès zannimo ki egziste nan biyodivèsite a ap disparèt, rive nan ane 2025 konsa. Ann Ayiti, gen plizyè espès ki disparèt deja, genyen ki menase disparèt, tankou espès ti zwazo yo rele kanson wouj la. Lè espès vivan yo ap disparèt konsa, se pèt pou limanite. Se yon menas pou lavi an jeneral. Rive nan ane 90 yo, se apèn 26000 balèn ki te rete sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè savon ak pwodui kosmetik. Apre sa, akòz rechofman klima a, yo deplase al nan zòn sid planèt la, pou al chache manje, tandiske nan zòn sa a, pa prèske rete anyen pou yo jwenn. Balèn se pi gwo mamifè nan lemonn. Si l rive disparèt, sa pral gen konsekans sou lavi lòt espès vivan sou planèt la. Apre sa, depi ane 90 yo, se sèlman 1000 panda Lachin ki te rete nan lemonn. Gen plizyè danje ki menase yo. Pa egzanp, lachas ilegal ak pyèj yo tann pou lòt bèt kote se yo ki viktim. Apre sa, lè abitan chinwa yo koupe yon gwo kantite pye banbou, panda yo pa jwenn prensipal manje yo konn abitye manje a ankò.

Pyebwa ak forè Forè yo rann lanati diferan kalite sèvis. Nan ane 90 yo, te gen 348 milya ekta forè ki t ap kenbe dlo ki sou tè a ann ekilib. Forè yo, pyebwa yo konn anpeche ewozyon, pou tè yo pa al nan lanmè. Yo anpeche yon seri zòn tounen dezè. Te genyen 11% nan forè yo ki te pèmèt tout espès ki gen lavi sou tè a, biyodivèsite a, rete vivan. Forè yo estoke 283 jigatòn kabòn, konsa yo rann nou anpil sèvis, paske yo goumen kont rechofman klima a. Apre sa

toujou, forè yo pèmèt lòm fè aktivite ekonomik yo, nan vann bwa pou fè mèb, pou chofe kay. Yo pèmèt lòm fè lachas, yo pèmèt lòm jwenn espas pou distraksyon. Egal, forè yo gen tout enpòtans yo pou ekosistèm nan, pou lanati. Men, pou rezon ekonomik, lòm esplwate forè yo nan yon nivo ki depase.

Page 10: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

10

Nan ane 90 yo, yo te remake gen 13 milyon ekta forè ki detui pa ane, sa vle di chak minit ki pase te gen 27 ekta forè ki ale. Se forè Amazoni ki sibi plis pase tout sa ki nan lemonn, avèk 6 milya ekta ki detui chak ane. Prensipal kòz deforestasyon sa yo nan lemonn, sòti nan bwa yo koupe yon fason ilegal, nan aktivite agrikilti, nan aktivite gadinay bèt, ak nan divès travay enfrastrikti. Ann Ayiti, tèt mòn yo rete kale. Yo koupe pyebwa yo pou yo ka konstui kay, pou yo fè chabon kòm sous enèji pou dray klining, pou boulanjri, pou kuizin, eksetera. Epi sa lakòz ewozyon, tout tè a glise desann ale nan lanmè, san konte inondasyon ki pote kay, moun ak bèt, ale.

Tè yo

Nan lemonn antye, pi gwo menas tè yo gen sou yo, se pa gwo bouldozè yo. Vrè menas la pa tèlman vizib. Se degradasyon tè yo. Nan lemonn antye, aktivite travay latè – agrikilti – wete tout eleman enpòtan ki nan tè yo. Tè yo kontamine ak ensektisid, yo vin gen sèl ladan yo, pafwa yo vin enbibe ak twòp dlo. E, sitiyasyon sa a kontinye nèt ale, san okenn kontwòl.

Ewozyon se prensipal fòm degradasyon tè yo. Nan tè Nasyonzini egzaminen yo, 84 % ladan yo viktim anba pwoblèm ewozyon. Se yon pwoblèm ki fè limanite vin ap pèdi tè yo, yon patrimwàn, yon byen komen limanite genyen, yon byen ki te pran anpil tan pou l te devlope tèt li tou dousman. Men, sou kote ewozyon an, povrete a, jwe yon gwo wòl tou, nan degradasyon tè yo. Kantite moun k ap viv sou yon espas (dansite popilasyon an), konte anpil tou. Etid ki fèt an 1991, moutre lè gen twòp bèt k ap manje sou yon tè, lè gen twòp debwazman sou tè a, lè yo koupe pyebwa vire tounen sou tè a, tout sa, se ajisman ki depafini tè a. E, se plis moun ki pa gen mwayen nan men yo pou viv, ki fè sa, akòz tè yo pa byen separe pou tout moun ta jwenn kantite tè nòmal pou yo ta travay. Apre sa, ofiramezi ap gen plis moun sou tè a, popilasyon an ap bati kay pou abite sou espas tè ki ta la pou fè manje pou moun manje. Kantite tè ki pou bay popilasyon an manje ap diminye ofiramezi tout kote. Ann Ayiti, peyizan yo rive nan yon pwen kote yo di w « latè pa bay ankò ». Se yon temwayaj degradasyon, yon sitiyasyon kote tè a depafini, li pa ka bay rannman ankò. Egal, tè ki ta la pou bay manje, menase tout jan.

Page 11: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

11

Lè n ap respire a – polisyon atmosfè a

Lè yon kretyen-vivan respire, li rale 20 m3 lè an mwayèn pa jou. Kalite lè, moun ap respire, aji sou sante yo. Men, izin k ap pwodui byen pou moun sèvi, gen lontan depi y ap ponpe

lafimen sal, lafimen ki lage eleman nuizib nan atmosfè a. Se menm bagay la pou aktivite transpò nan avyon, nan machin, nan bato, sou moto, eksetera, ki lakòz anpil lafimen ki sòti nan gaz yo boule yo, moute anlè a, al sal atmosfè a. Konsa, lè a vin polye epi kouch ozòn nan, ki bay yon pwoteksyon, vin ap detòryore, de jou an jou. Anpil lòt dega ki sòti nan sa lòm ap fè sou latè gen konsekans dirèk sou

atmosfè a. Ann Ayiti, kawotchou y ap boule nan manifestasyon, bay move lafimen ki lakòz pwoblèm respirasyon ak pwoblèm nan zye. Gaz lakrimojèn lapolis ap bay vire-tounen, kontamine lè a, epi sa lakòz anpil tibebe avèk granmoun aje konn mouri, akòz yo vin gen difikilte respirasyon.

Sitiyasyon kretyen vivan

Ogmantasyon popilasyon Yon popilasyon k ap viv sou yon espas ki gen limit, kapab fè efè pozitif oswa efè negatif sou espas la, avèk menm konpòtman yo. Efè pozitif ak efè negatif yo gen relasyon ak kantite moun ki fòme popilasyon an. Espas global planèt la gen limit, tandiske popilasyon yo pa janm sispann fè presyon sou resous ki disponib nan lanati, sou ekosistèm nan, nan itilizasyon dlo, enèji, resous sou tè a ak resous anba tè a. Rapò ant kantite moun ki genyen pou kantite resous ki disponib, vin pa ekilibre. Pandan resous yo limite, popilasyon yo pa janm sispann ogmante, men tou, anplis popilasyon yo depase resous disponib yo, y ap gaspiye yo tou. Yon sitiyasyon konsa mete limanite an danje. Lanouriti Selon dènye done Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) pibliye ane sa a (2016), genyen 795 milyon moun k ap viv nan gangou, yon chif ki reprezante 1 moun sou chak 9 moun sou

Page 12: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

12

planèt la. Pi fò nan moun k ap viv nan grangou yo, se nan peyi pòv yo ye. Nan peyi sa yo, gen 12% nan popilasyon yo ki manke jwenn sa pou yo manje. Ann Azi, gen 2/3 nan moun ki manke manje nan lemonn antye. Malnitrisyon lakòz 3,1 milyon timoun ki gen mwens pase 5 kan mouri chak ane. Sa reprezante prèske mwatye (45%) nan pwoblèm ki konn lakòz timoun yo mouri nan peyi pòv yo. Apeprè 100 milyon timoun (ki reprezante antou 1 timoun sou chak 6 nan lemonn) manke pèz pou yo ta genyen, nan peyi pòv yo. Sa lakòz yo vin gen reta nan devlòpman yo. Nan peyi pòv yo, gen 66 milyon timoun ki nan laj pou al lekòl, ki ale lekòl san manje. Selon PAM, yo ta bezwen 3,2 milya dola pa ane pou pèmèt 66 milyon timoun sa yo jwenn manje pou y al lekòl. Nan anpil peyi sou tè a, gen yon gwo pwoblèm sekirite alimantè. Manje a pa disponib fasil, lè li disponib, popilasyon an pa gen aksè pou li, akòz mwayen lajan. Lasante Nan sèten peyi, nivo povrete a wo anpil, se konsa tou kantite timoun ki mouri yo anpil. Kantite tan yon moun ka viv pa anpil, epi gen anpil maladi enfeksyon. Malgre pwogrè ekonomik ki fèt yo, malgre gen anpil vil k ap devlope, malgre pwogrè ki fèt nan kesyon lasante, sitiyasyon an pa fin kòrèk. Nan efò peyi pòv yo ap fè pou yo devlope, popilasyon yo vin fè nouvo maladi, tankou maladi kè, maladi tansyon, maladi sik, maladi kansè. Moun yo vin manje plis grès, plis vyann, manje yo vin pi rich. Echanj komès entènasyonal ant peyi ak peyi, vin mete chanjman nan kalite sa moun yo ap manje, yon seri pwodui ki pa fin natirèl. Nouvo fason moun ki nan vil yo ap viv, ogmante maladi kwonik yo, paske yo vin fè mwens egzèsis avèk kò yo. Pwoblèm gwo vant (obezite), pwoblèm kolestewòl, pwoblèm tansyon, okazyone anpil lòt gwo maladi sou planèt la. An 1993, lè yo konsidere tout maladi sa yo ansanm, yo rive jwenn yo lakòz 1,2 milyon ameriken mouri. Lajan ki depanse nan mòd maladi sa yo rive nan 100 milya dola pou menm ane 1993 la toujou. Ann Ayiti, maladi sa yo ap fè ravaj sou yon popilasyon ki deja pa gen mwayen nan men l. Yon sitiyasyon ki vin konplike, lè n chonje valè moun ki oblije antre nan fè dyaliz akòz maladi kwonik sa yo, malgre pa menm gen mwayen pou sa fèt. Rapò moun ak moun Degradasyon kondisyon anviwònman an, diminisyon resous pou moun viv, nan diferan nivo, vin pwovoke anpil tansyon nan rapò moun ak moun, mete sou tansyon ki te gen deja, akòz

Page 13: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

13

inegalite ki te toujou genyen nan sosyete yo. Lè debwazman, deforestasyon, rechofman klima a, eksetera, lakòz vin gen mwens tè ki bay rannman, mwens resous pou moun viv, sa vin trennen yon santiman ensekirite dèyè l, pou moun ki santi lavi yo menase, moun ki santi yo vin pi vilnerab, moun ki te deja ap viv nan kondisyon difisil. Eta lespri sa a vin kreye 2 pwoblèm pou kretyen vivan, se 1) yon sitiyasyon konfli nan mitan moun nan sosyete yo, epi 2) deplasman popilasyon yo. Ann Amerik latin, devlòpman Pwodui Nasyonal Bri a (PNB) ak lòt endikatè ekonomik yo te byen wo depi kèk ane. Epoutan, pa t janm gen yon bon separasyon revni ki te fèt nan sosyete yo. Pi fò pwofi, kwasans ekonomik lan te bay, se te pou yon ti ponyen moun sèlman li te ye. Gwo eka ki genyen ant moun rich ak moun pòv, rive nan yon degre egzajere, kit se lè n konsidere jan sa ye nan lemonn antye an jeneral, kit se lè n konsidere jan sa ye nan sèten peyi an patikilye. Lè n konsidere jan sa ye nan lemonn an jeneral, nou jwenn 1/5 nan moun ki pi rich yo rantre 60 fwa lavalè revni kantite moun ki reprezante 1/5 nan sa ki pi pòv yo. An 1960, sitiyasyon an te montre se 30 fwa lavalè li te ye. Moun ki gen revni ki pi ba nèt yo oblije toujou kontante ak ti revni fèb la oswa ak yon revni ki pa janm estab, oubyen ankò ak yon revni yo konnn pa twò sèten y ap jwenn vre, lè yo fin travay, malgre tout kantite lè travay yo founi, apre tout kalite fatig, malgre yo pa jwenn ase nouriti, ni dlo potab pou yo bwè, malgre yo pa gen yon kay pou yo rete, san konte sèvis sosyal leta dwe yo, men y opa janm jwenn vre. Chomaj nan mitan jèn ki gen metye nan men yo, monte byen wo. Nan ane 90 yo, yo te gentan prevwa kantite moun ki te bezwen travay t ap pral ogmante rive 1 milya nan ventan ki t apral vini yo. Lè sitwayen peyi yo nan difikilte pou jwenn travay, lè avni an pa sèten pou yo, yo vin devlope fristrasyon avèk reyaksyon danjere nan sosyete a : yo vin san pitye pou pwochen yo, yo vin pa gen konfyans nan tèt yo. Lè kòlè monte yo, yo ka fè dega, jiskaske yo ka menm rive nan fè emet. Lòt pwoblèm tansyon sosyal yo ak degradasyon anviwònman an ka bay, se mouvman refijye nan divès rejyon yon peyi ak nan divès peyi nan lemonn antye. Tout mouvman migrasyon sa yo pral kreye tansyon ak konfli ant refijye yo ak sitwayen nan peyi akèy yo. Sitwayen peyi sa yo devlope animozite vizavi refijye yo, paske yo santi yo vin pran travay yo ak lòt posiblite yo nan men yo. Menm santiman ensètitid sa a travèse anpil pwofesyonèl ak lòt jèn ann Ayiti sou avni yo nan peyi a. Depi kèk ane, se pa makòn jèn sa yo ap kite Ayiti pou yo ale o Brezil, o Chili oubyen ann Ekwatè, malgre anpil ladan yo ap pèdi lavi yo nan vwayaj la oubyen malgre y ap viv nan kondisyon difisil nan peyi sa yo.

Ris, katastwòf ak sekirite moun

Planèt la gen divès menas sou li, menm jan li sibi anpil katastwòf tou. E, katastwòf yo kite anpil mak sou biyodivèsite a. Anplis dega lòm fè sou anviwònman an, nan chache esplwate lanati pou l ka jwenn byen ak resous ekonomik, anviwònman an ansanm limanite sibi anpil ris, anpil menas pou 20èm ak 21 èm syèk la. Pami katastwòf ki fèt sou anviwònman an, gen

Page 14: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

14

katastwòf teknik yo tou. Nou chonje aksidan santral nikleyè Tchènobil nan peyi Larisi le 26 avril 1986, ki te oblije yo kouri deplase 120.000 fanmi ki te nan zòn nan, pandan 4000 moun apeprè te mouri, malgre konsekans ki te vin genyen sou sante lòt moun, tankou maladi kansè. Menm bagay pou aksidan izin pwodui chimik Bopal ann End an desanm 1984, ki te lakòz menm kantite lanmò a, san konte 300.000 moun ki te vin malad apre sa. Mete sou sa, kèk epidemi tankou kolera detui plizyè santèn milye moun ann Ayiti nan dènye ane sa yo e sa kontinye toujou. Pou kounye a, maladi Zika vin ajoute sou yo ankò. Malgre yo pa klase sida pami yo, epoutan, se li menm ki rete pi gwo katastwòf pou 21èm syèk la. Apre sa toujou, gen tranblemandetè, tankou sa ki pase ann Ayiti 12 janvye 2010 la, ki elimine prèske 300.000 kretyen vivan, ki kite plizyè santèn moun ak donmaj, san konte gwo pèd ki fèt nan sa moun te posede kòm byen, kòm resous.

1.2. Kisa nou ka fè ?

an tout sa nou sot konstate yo, nou rive konprann pwoblèm planèt nou an konplike. Pwoblèm yo parèt nan tout nivo e youn

makònen ak lòt. Sa k pi enpòtan nou ka rive konprann, sèke pami eleman ki plis lakòz pwoblèm yo, se nou menm lòm ki vin an premye, malgre nou pa neglije wòl katastwòf natirèl yo tou. E, malgre anpil fwa, se nou menm ki ankouraje sèten nan katastwòf yo ak nan ris yo tou, akòz move ajisman nou. Depi plis pase 2 syèk, nasyon sou planèt la antre nan yon kous pou esplwate lanati ak lòm, nan chache vin pi rich, pou yo ka domine. Yo chache transfòme rapò lòm gen ak lòm, rapò lòm ak lanati, an machandiz. Pwosesis transfòmasyon sa a, yo te ba l pote non devlòpman. Devlòpman vin tounen yon valè moral, yon valè inivèsèl, tout peyi ap chache defann. Devlòpman pa yon mal, poukont li. Men, lè l rive transfòme rapò moun ak lanati, rapò moun ak moun an machandiz, li mete planèt la ansanm ak lòm an danje, jan nou sot konstate li a. Alèkile, li enpòtan pou lòm konprann devlòpman an yon lòt fason. Si devlòpman an se yon valè endispansab pou pèmèt byennèt limanite, li pa dwe mete planèt la ak lòm an danje. Li dwe pèmèt limanite viv an sekirite, nan lapè ak pwòp tèt li, nan lapè ak lanati. Li dwe pèmèt planèt la kontinye rete o sèvis limanite, menm jan limanite dwe kontinye rete o sèvis planèt la, nan yon rapò amoni, kote youn pa la pou domine lòt, men kote youn kontinye itil lòt pou lavi diran.

N

Page 15: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

15

1.3. Devlòpman dirab

Yon lòt kalite devlòpman sou yon planèt an danje Yon modèl devlòpman k ap chache kreye amoni ant lòm ak lanati, ant lòm ak lòm parèy li, se yon devlòpman k ap pèmèt lavi limanite kontinye. Se yon devlòpman dirab. Se yon chemen konsa limanite deside pran, devan menas ki sou planèt la. Nan yon rapò, « Komisyon mondyal sou anviwònman ak devlòpman » mete deyò an 1987, yon komisyon Madan Brundtland t ap dirije, yo esplike pawòl devlòpman dirab la konsa : « Se yon devlòpman ki bay moun nan jenerasyon jodi yo posiblite jwenn sa k nesesè pou yo viv, san yo pa anpeche jenerasyon demen yo jwenn pa yo tou ». Pawòl devlòpman dirab la gen 2 aspè ladan l :

1) Yon maryaj ant satisfaksyon bezwen jenerasyon jodi a ak satisfaksyon bezwen jenerasyon demen yo,

2) Yon amoni ant devlòpman ekonomik, pwoteksyon anviwònman ak jistis sosyal. Sa vin fè nou wè devlòpman dirab la gen 3 dimansyon ladan l, se : ekonomi, anviwònman ak sosyete.

Kapital Konsa, lide devlòpman dirab la vin chanje fason lòm te konprann kesyon devlòpman an, kote se kesyon lajan ak byen (bèl bilding, machin, avyon, tren…) ak lòt reyalizasyon materyèl (wout anlè, metwo, aryopò…) ki te sèvi kòm siy devlòpman an. Alèkile, lè yo te pale de kapital, yo te vle pale de kapital ekonomik sèlman. E, kòm devlòpman an te toujou pase kòm yon valè enpòtan nasyon yo t ap defann san gade dèyè, devlòpman ekonomik lan te meprize tout lòt dimansyon ki patisipe nan byennèt lòm sou latè, nan byennèt lòt espès vivan yo, jiskaske yo rive kraze yon bon valè nan lòt eleman enpòtan ki nan lòt dimansyon yo, sèlman pou yo ka rive nan devlòpman ekonomik lan. Yo vin egzajere nan esplwate moun, nan esplwate tout resous ki nan lanati, jiskaske lanati vin pèdi ekilib li. E, kòm se lanati ki pèmèt lavi sou planèt la, lè lòm menase lanati, li menase pwòp lavi pa li. Konsa, si devlòpman nasyon yo dwe asire byennèt lòm, pawòl kapital la, ki reprezante motè devlòpman an, pa ka chita sou dimansyon materyèl la sèlman, sou dimansyon ekonomik lan sèlman. Yon devlòpman dirab, yon devlòpman ki pèmèt lavi kontinye sou planèt la, pou tout lòt espès ki gen lavi ansanm ak lòm tou, oblije laji kesyon kapital la plis toujou. Alèkile, nan yon lojik devlòpman dirab, yo vin konsidere twa (3) kapital ki dwe mache ansanm, paske youn makònen ak lòt. Se:

kapital ekonomik, nan sans klasik, nan sans tradisyonèl la,

Page 16: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

16

kapital ekolojik, ki reprezante tout resous natirèl, yon jenerasyon jwenn yo kite pou li,

kapital sosyal, ki reprezante yon kapasite jistis sosyal, kòm mwayen pou entegre tout moun nan yon sosyete, kòm fason pou tout moun rive patisipe nan richès, peyi a fè, kòm fason peyi a separe richès li fè.

Pou mezire devlòpman dirab la: PIB - IDH Pandan lontan, sèl lonn ki te egziste pou mezire pwogrè nasyon yo fè, pou mezire fason y ap devlope se te PIB (pwodui enteryè bri), yon espès endikatè inivèsel ki mezire kwasans ekonomik lan, ki te sèl sa nasyon yo t ap chache kòm pwogrè. Li mezire mouvman ekonomik ki pase nan sistèm mache a reprezante a, li mezire mouvman ekonomik Leta kontwole yo.

Men, endikatè sa a pa mezire byennèt popilasyon yo, e se youn nan

bagay enpòtan, devlòpman dirab la ap chache tou. PIB a pa

konsidere tout sèvis peye ki fèt nan kay (lave, pase, fè

manje, fè mennaj nan kay, gadyen tibebe…),

san konte sèvis benevòl, moun ap bay nan yon seri aktivite. Apre sa, li pa konsidere sèvis

gratis ti cheri, lanati rann nou chak jou pou n viv nan byennèt (tankou bon ti frechè, pyebwa yo ba nou, san senk kòb). Egal, PIB a pa yon endikatè pou mezire byennèt sou latè. Pou korije mank ki gen nan PIB a, Nasyonzini

vin avèk IDH (endis devlòpman imen), yon lòt endikatè ki vin ajoute sou PIB a. IDH se yon mezi ki sòti nan zewo (0) pou rive nan en (1). Li ranmase twa (3) endis. Chak endis yo vo 1/3 pou yo chak. Se :

- nivo kondisyon lavi moun yo, apati PIB pou chak tèt moun nan peyi a, - nivo mwayen edikasyon moun yo, - to esperans lavi moun yo, kòmanse depi lè yo ne.

Page 17: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

17

Yon lòt kalite richès : biyodivèsite a Gen yon bon valè nan diferan espès vivan yo ki konn disparèt sou planèt la deja, men, nan dènye epòk sa yo, espès yo depafini epi yo disparèt plis pase jan sa te konn ye lontan. E, nan pi fò ka, se kalite aktivite lòm ap mennen sou tè a ki plis lakòz pèd sa yo. Divès kalite espès vivan ki sou tè a fòme sa yo rele biyodivèsite a. Lè espès vivan yo ap plede disparèt, lè y ap vin pi ra de jou an jou, se biyodivèsite a k ap depafini, se yon gwo pati nan richès limanite k ap disparèt. Biyodivèsite a antre nan kapital ekolojik la. Menas pou biyodivèsite a Gen senk (5) kòz prensipal ki fè biyodivèsite a disparèt :

- milye natirèl yo konn ap depafini (dlo, tè, pyebwa, forè,…). Sa vle di espès vivan yo pa jwenn kote pou yo viv ankò. Genyen ki viv nan dlo, genyen ki viv nan bwa, nan forè. Genyen ki manje tèl fèy, tèl pyebwa, men, yo gen dwa pa jwenn yo ankò pou yo manje. Pa egzanp, panda yo manje banbou. Panda yo menase disparèt sou tè a,

- lòm konn esplwate resous natirèl yo

twòp. Pa egzanp, yo peche pwason yo twò dri. Vin pa gen pwason nan yon zòn ankò,

- lòm antre lòt espès etranje nan

milye natirèl la, sou espès endijèn yo, ki vin disparèt akòz nuizans espès etranje yo pote,

- polisyon kapab touye espès yo,

- klima a ka vin chanje, espès yo pa

ka sipòte. Espès yo kapab kite zòn nan oubyen yo ka mouri.

Konsekans pou sosyete a Konsekans pou aktivite ekonomik yo Lè n konsidere aktivite lapèch, aktivite touris, lè n konsidere forè yo, lè n konsidere izin k ap fè pwodui pou fonmasi, yo tout se aktivite ki depann de biyodivèsite a.

Page 18: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

18

Pou peyi pòv yo, biyodivèsite a jwe yon gwo wòl nan batay kont povrete. Paske li bay peyi sa yo resous natirèl ki ede yo devlope. Pwoteje biyodivèsite a se yon kesyon ki enpòtan nan tout negosyasyon k ap fèt nan nivo entènasyonal, akòz divès pwoblèm ki makònen avèk li sou planèt la, ansanm ak pwoblèm ekonomik sa ka bay pi devan, si biyodivèsite a pa jwenn pwoteksyon.

Lakilti Lòt kalite divèsite – Yon lòt kapital enpòtan

Patrimwàn kiltirèl Kilti yon pèp se patrimwàn jenerasyon anvan yo kite pou jenerasyon jodi a, kòm eritaj. Nan patrimwàn kiltirèl la, gen sa ki materyèl ak sa ki pa materyèl. Lakilti se yon lòt dimansyon nan devlòpman dirab la. Pa gen devlòpman dirab nan yon sosyete si pa gen valorizasyon ak transmisyon patrimwàn sa a, lakilti reprezante a. Lè gen divès abitid nan fason pèp yo viv, nan fason yo panse, nan fason yo konprann reyalite a, se yon richès limanite genyen, sa vin bay divès kalite kilti, sa bay yon divèsite kiltirèl. Divèsite sa a, se yon lòt mòd richès, yon lòt kalite kapital limanite genyen. Lè gen yon sèl mòd nan fason pou lemonn viv, yon sèl estil lavi k ap chache domine, pou toufe divès kalite lòt estil lavi lakay pèp yo, se yon menas pou kapital divèsite kiltirèl la, yon menas pou yon lòt fòm richès sosyete yo posede, yon lòt fòm richès limanite posede. Lang pèp yo Patrimwàn kiltirèl la, se pa ansyen achitekti yo sèlman, se pa ansyen travay atis yo te fè sèlman. Patrimwàn nan se lang yo tou, lang nou jwenn jenerasyon anvan yo te pale, kit se lang oral, kit se lang ekri. Yon lang se yon mòd reprezantasyon reyalite a, ki moutre kalite rapò yon pèp devlope ak sa ki nan antouraj li, ak sa ki nan lavi a, ki moutre mòd rapò moun ak moun nan yon sosyete. Gen apeprè 6800 lang, yo pale nan lemonn. Sa a, se yon kapital lenguistik. Men, se yon kapital ki menase anpil, paske sou 6800 lang pèp yo, gen 500 yo konsidere ki kondane pou disparèt, apre sa, gen 3000 ki menase. Sou si (6) milya moun ki sou planèt la, mwatye ladan yo itilize onz (11) sèlman nan 6800 lang yo. Apre sa, se 3% nan moun yo sèlman ki pratike 96% nan lang ki egziste yo. Ekspè UNESCO yo gentan prevwa, pou rive nan fen 21èm syèk la, 90% lang ki egziste pou kounye a, kapab disparèt. Lang pèp yo, lang matènèl pèp yo, se premye mwayen yo genyen pou yo devlope lespri yo, nan tout nivo, pou yo esprime sa yo santi. Anpeche yon moun pale lang li, se menm bagay ak anpeche l baye, lè l grangou, se menm bagay ak anpeche l fè bezwen fizyolojik li lè l pa ka kenbe ankò, se menm ak anpeche l bwè lè l swaf. E, se yon dwa natirèl, tout pèp genyen pou yo pwofite tout avantaj, lang yo pèmèt yo, pou yo devlope tèt yo, pou yo esprime sa k anndan yo. Premye gwoup moun nan sosyete a ki ta dwe konprann kesyon sa a san pwoblèm, se edikatè yo (direktè lekòl, pwofesè lekòl, fòmatè yo), paske yo pran fòmasyon

Page 19: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

19

sou devlòpman moun (devlòpman lespri ak kò), nan branch sikoloji, espesyalman nan sa k gen rapò ak sikoloji devlòpman, epi paske se yo ki jwe premye wòl nan fòmasyon entèlektyèl lòt moun. Dezyèm gwoup moun ki ta dwe konprann sa, san pwoblèm ankò, se ta dirijan nan Leta yo, nan kèlkeswa nivo a (palmantè k ap vote lwa yo, minis edikasyon yo, prezidan yo). Rezon an, se paske se edikasyon ki reprezante pòt antre pou devlòpman ak pwogrè, e, si 2 gwoup moun sa yo pa alawotè, si y ap plede fè fo pa nan ajisman yo, si y ap plede fè move chwa ki konsène pwoblèm edikasyon sitwayen yo, sosyete a tou fele an lagan. Moun ki la pou ede nasyon an konsolide, ki la pou ede nasyon an kwè nan tèt li, pa ka tounen prensipal ajan k ap mennen l nan konfli ak pwòp tèt li, ak sa li ye toutbon vre. Lekòl pa ka gen misyon pou l fè sitwayen Ayisyen rejte pwòp tèt yo. Ann Ayiti, nan ane 2014, devan enpòtans dwa lenguistik yon popilasyon genyen pou devlòpman yon peyi, Leta mete Akademi Kreyòl Ayisyen kanpe ofisyèlman, pou suiv egzijans atik 213 Konstitisyon peyi a. Depi lè a, yon gwoup 33 sitwayen ki byen konprann enpòtans lang kreyòl la, kòm patrimwàn pèp la eritye nan zansèt li yo, ap travay pou

akonpaye popilasyon an nan rezoud gwo pwoblèm dwa lenguistik ki gen nan peyi a depi lontan, yon pwoblèm ki anpeche devlòpman entèlektyèl serye tout moun, ki anpeche entegrasyon ak patisipasyon reyèl pi fò sitwayen nan sa k ap fèt, epoutan ki konsène yo an premye kòm Ayisyen. Vyolasyon dwa lenguistik pèp yo se vyolasyon dwa kiltirèl yo. Selon sèten savan, tankou Claude Lévi-Strauss, lang pèp yo pale, se aspè ki pèmèt nou konprann sivilizasyon yo pi byen. Menm lè yon sivilizasyon ta disparèt, ou ka retrase li fasil avèk gramè lang li ak diksyonè li. Yon pèp, kidonk yon moun tou, se yon antite global. Aksepte yon pèp, se aksepte l ak tout sa ki fè li sa li ye a, jan li ye a (jan l danse, jan l manje, jan l pale…). Yon moun, yon pèp, pa separe ak tout sa ki antre nan kilti li. Rejte yon eleman ki fondamantal nan yon pèp, ki fondamantal nan yon moun, se rejte pèp la, se rejte moun nan. Alèkile, pou limanite viv nan lapè, sosyete yo dwe fè efò pou yo aksepte diferans, pou yo konprann divèsite. Paradòks ki genyen nan limanite, sèke pandan nou diferan, nou tout se menm, paske nou tout se moun. E, nou tout gen menm adrès, nou tout abite sou Latè. Lang yon pèp antre nan dimansyon kiltirèl lavi pèp la. Dimansyon kiltirèl yon pèp, fondamantal anpil pou egzistans li. Se sa k fè, nan yon lojik devlòpman dirab, dimansyon kiltirèl la pa yon dimansyon ki annik vin ajoute konsa-konsa sou twa lòt dimansyon anvan yo (ekonomik, ekolojik, sosyal), men, se

Page 20: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

20

yon dimansyon ki vlope yo tout, yon dimansyon ki bay ni dimansyon ekonomik la, ni dimansyon ekolojik la, ni dimansyon sosyal la, sans yo.

Planèt la menase : yon pwoblèm global ki mande aksyon lokal

Divès pwoblèm ki menase planèt la kapte atansyon tout nasyon yo depi kèk tan. Se sa k fè gen plizyè rankont ki fèt nan nivo entènasyonal pou pèmèt nasyon yo kalkile ansanm, pou yo ka antann yo sou jan y ap fè fas kare avèk pwoblèm sa yo. Konferans Estokòl (1972) Nasyon yo te vin konprann pwoblèm anviwònman an te tèlman ap vale teren nan lemonn, chak nasyon pa t ka rete ap fè ti efò pa yo, nan kwen pa yo. Li te nesesè pou genyen yon kolaborasyon entènasyonal. Konsa, an 1972, Nasyonzini òganize yon konferans sou pwoblèm anviwònman, nan vil Estokòl, nan peyi Lasyèd. Nan okazyon sa a, yo kreye divès enstitisyon pou pwoteksyon anviwònman epi yo kreye Pwogram Nasyonzini pou Anviwònman (PNUE). Malgre nan konferans lan, yo te siyale kouman pwoblèm ekonomik yo ak pwoblèm sosyal yo makònen ak kesyon degradasyon anviwònman an, se konsekans ekolojik pwoblèm yo ki te plis sijè refleksyon yo. Somè Latè, Rio (1992) - Ajenda 21 Nan dis (10) ane ki vin apre Konferans Estokòl yo, nasyon yo te vin konprann si yo kontinye ap kalkile pwoblèm anviwònman yo san yo pa konsidere pwoblèm devlòpman nasyon yo, akòz rapò povrete genyen ak degradasyon anviwònman an, yo pa kwè y ap rann ni anviwònman an, ni limanite yon pi gwo sèvis pase sa. An 1987, Madan Gro Harlem Brundtland, pibliye yon rapò travay, komisyon li t ap dirije nan Nasyonzini te prepare, ki rele « Avni nou tout ansanm ». Rapò sa a tou prezante devlòpman dirab kòm yon kad jeneral pou tout politik devlòpman, nan kèlkeswa nivo a. Konsa, an jen 1992, Nasyonzini vin òganize Somè Latè nan vil Rio o Brezil, sou anviwònman ak devlòpman. Nan okazyon sa a, nasyon yo elabore yon Pwogram aksyon, yo bay pote non Aksyon 21, yo abitye rele l Ajenda 21 tou. Se yon espès plan d aksyon pou 21èm syèk la, 173 dirijan diferan nasyon ki te patisipe nan Somè a, adopte. Yo gen reskonsablite pou y al mete l ann aplikasyon nan kolektivite teritoryal nan peyi yo. Lè chak kolektivite lokal yo gade sou Ajenda 21 an pou yo elabore plan d aksyon pa yo, selon pwoblèm patikilye chak zòn yo genyen nan sa k konsène devlòpman dirab, yo vin genyen Ajenda 21 lokal pa yo. Egal, Ajenda 21 an, se yon zouti ki pèmèt Nasyonzini entegre sosyete sivil la nan jefò k ap fèt pou devlòpman dirab la. Somè mondyal pou devlòpman dirab (Jwanèsbou, 2002) Yon peryòd dizan pou edikasyon o sèvis devlòpman dirab An 2002, Nasyonzini reyini dirijan diferan peyi yo ankò, fwa sa a, nan vil Jwanèsbou, ann Afrik di sid. Somè sa a pèmèt nasyon yo pwofonde angajman yo te pran pi plis toujou, nan

Page 21: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

21

diferan nivo, sòti nan nivo lokal al nan nivo mondyal. Somè a te tou deside pou yo pwoklame yon peryòd dizan (yon deseni : 2005-2014) kòm yon peryòd espesyal pou edikasyon o sèvis devlòpman dirab, akòz kesyon edikasyon an jwe yon wòl santral nan devlòpman dirab la. Konferans mondyal UNESCO sou Edikasyon pou Devlòpman Dirab (EDD) An 2014, o Japon, UNESCO òganize Konferans mondyal sou edikasyon pou mete fen nan deseni sou edikasyon o sèvis devlòpman dirab la. Nan okazyon an, li tou lanse Pwogram Aksyon Global pou Edikasyon sou Devlòpman Dirab, pou pèmèt pwogrè fèt nan divès objektif yo fikse, pou devlòpman dirab la. Tout peyi ki te prezan nan konferans lan, te adopte yon Deklarasyon sou jeneralizasyon edikasyon pou devlòpman dirab la, nan fen konferans lan. E, menm Deklarasyon an te tou mande pou Fowòm Mondyal sou Edikasyon ki t apral fèt an Kore nan ane 2015 lan, konsidere rezilta ki te sòti nan konferans 2014 la, pou yo vanse.

Kisa devlòpman dirab la ap defann ? Devlòpman dirab la fikse senk (5) prensipal finalite. Se :

- lit kont chanjman klima a sou latè ak pwoteksyon atmosfè a, - pwoteksyon biyodivèsite a ak pwoteksyon milye natirèl yo ak resous yo, - devlòpman tout moun san distenksyon, - amoni nan mitan moun nan sosyete a ak solidarite ant teritwa yo ak jenerasyon yo, - yon devlòpman ki respekte prensip ajisman responsab kit se nan pwodiksyon byen ak

sèvis, kit se nan konsomasyon byen ak sèvis. Alèkile, sou baz finalite sa yo, devlòpman dirab la vin okipe sèten pwoblèm, pami anpil lòt ankò, tankou :

- povrete, - lasante, - kay pou moun rete, - polisyon, - jesyon lanmè yo, forè yo ak montay yo, - espas vèt k ap depafini an dezè, - Jesyon ris ak katastwòf, - Jesyon resous ki an rapò ak dlo avèk lapwòpte, - Jesyon aktivite agrikilti, - Jesyon dechè.

Page 22: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

22

II. YON SITWAYEN NAN

NOUVO KONTÈKS MONDYAL LA

Page 23: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

23

II. YON SITWAYEN NAN NOUVO KONTÈKS MONDYAL LA

2.1. Sitwayen lemonn

evan sitiyasyon limanite jounen jodi a, devan divès egzijans ki sòti nan chwa pou yon devlòpm dirab, lemonn fè kòm estrateji global pou pèmèt limanite kontinye viv nan byennèt, ni pou jodi ni pou demen, chak sitwayen vin konsène, paske pou tradui

chwa sa a an reyalite, sa dwe pase nan ajisman chak sitwayen sou planèt la. Rezon an, sèke reyalite ki devan nou an, reyalite nou vle chanje a, se yon konsekans, se rezilta ajisman chak

sitwayen ansanm, anba efè yon mòd reprezantasyon lavi, yon sistèm valè, ki te

toujou ap gide aksyon lòm, nan tout nivo, depi nan nivo politik oswa

ideyolojik, pou rive nan ajisman chak sitwayen, chak jou, nan

chak sosyete. Konsa, devlòpman dirab kòm yon nouvo mòd panse, yon nouvo sistèm reprezantasyon lavi, dwe entegre lespri chak sitwayen nan lemonn. E, kòm se yon sistèm valè, yon mòd

reprezantasyon ki sòti nan diferan nasyon, li vin tounen

yon kilti lemonn pataje ansanm. Konsa, pou chak sitwayen, li vin

pwovoke yon mòd konpreyansyon reyalite a, yon mòd konpòtman, yon mòd

ajisman ki depase dimansyon sosyal lokal la, ki depase dimansyon nasyonal la. Alèkile, devan

nouvo kontèks kiltirèl sa a, pawòl « sitwayen » an vin pa limite nan dimansyon yon peyi sèlman. Li vin laji kò l sou lemonn antye. Nan yon kontèks devlòpman dirab, chak sitwayen nan chak peyi vin tounen yon sitwayen lemonn. Kisa yon sitwayen lemonn ye ? Lè n konsidere fason UNESCO esplike pwoblèm nan, nou ka di : « yon sitwayen lemonn (oubyen sitwayen mondyal) se yon moun ki konprann li fè pati yon kominote ki pi laj pase peyi kote li ye a, ki konprann li fè pati limanite epi l ap chache konprann pwoblèm yo nan fason yo ye nan lemonn antye, sa vle di nan mete pwoblèm ki nan peyi li an relasyon ak jan sa ye sou planèt la ».

D

Page 24: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

24

Pou nou pi klè toujou, nou ka di se yon sitwayen ki sansib pou byennèt lemonn an jeneral, yon byennèt ki depase dimansyon lokalite kote l ap viv la, ki depase peyi kote li ye a. Konsa, li konprann si li aji, pou peyi pa li viv nan byennèt, sa pral yon benefis pou rès lemonn tou, paske gen yon koneksyon ant chak peyi ak sa k ap pase nan lemonn antye. Mòd sitwayen n ap pale a, se pa yon moun ki gen yon seri dwa nan yon peyi, paske li gen yon paspò oubyen yon dokiman peyi l ba li, pou l moutre li se sitwayen peyi a. Lè w se sitwayen lemonn, dwa ou genyen yo, se pa Leta peyi w ki garanti yo, men, dwa sa yo se dwa otomatik ou tou genyen, akòz ou fè pati limanite. Alèkile, sa vle di se pa Leta ki sèl reskonsab rès limanite. Ou reskonsab li tou.

2.2. Kouman yon bon sitwayen dwe ye jounen jodi a ?

Jounen jodi a, nan kontèks limanite ap evolye a, pou yon moun pase kòm yon bon sitwayen, anplis li se sitwayen peyi li, li dwe yon sitwayen lemonn tou. Sa vle di fòk li gen prensipal kalite ki fè yon moun se yon sitwayen lemonn lakay li. Prensipal kalite yon sitwayen lemonn

Se yon sitwayen ki toujou enfòme epi ki gen lespri kritik

Sa vle di :

- Ou se yon moun ki konprann divès sistèm gouvènman yo, estrikti enstitisyon ki egziste yo, divès kesyon ki konsène gouvènans mondyal la, sa vle di jan nasyon yo chwazi dirije lemonn,

- Ou konprann jan pwoblèm mondyal yo konekte ak sa k ap pase nan peyi pa w,

- Ou posede divès konesans ansanm ak konpetans ki nesesè pou w ka aji kòm sitwayen, sa vle di ou dwe gen kapasite pou w byen jije pwoblèm ki prezante yo, fòk ou ka fè analiz,

- Fòk ou chache konesans nan branch ekonomi, nan branch politik. Ou dwe konprann dwa ak responsablite chak sitwayen, chak gwoup sosyal (dwa medam yo, dwa timoun yo, dwa pèp endijèn yo, reskonsablite sosyal antrepriz yo vizavi popilasyon an),

- Fòk ou chache enfòme tèt ou sou pwoblèm mondyal yo (mondyalizasyon, depandans ant nasyon yo, pwoblèm migrasyon, pwoblèm lapè nan sosyete a ak nan lemonn, pwoblèm konfli, pwoblèm devlòpman dirab, chache konprann rapò lòm ak kesyon lang, pwoblèm lang anglè k ap domine, konsekans sa genyen pou moun ki pa metrize

Page 25: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

25

lang sa a, chache genyen konpetans yon sitwayen dwe devlope, pou w ka pran responsablite w vizavi sosyete a (dwa sivik yo ak responsablite sitwayen yo),

- Fòk ou ka evalye konsekans sa genyen pou tout yon peyi, lè yo pa respekte dwa lenguistik sitwayen yo, dwa pou yo pale lang matènèl yo,

Se yon sitwayen ki konekte ak sosyete a, epi ki gen anpil respè pou divèsite ki

genyen sou planèt la, Sa vle di : - Ou dwe konprann pwoblèm ki gen rapò ak idantite moun, idantite gwoup,

- Ou dwe chache konprann divès mòd relasyon sosyal ki egziste nan sosyete a,

- Ou dwe chache konnen divès valè limanite pataje an komen,

- Fòk ou prèt pou w fè solidarite ak lòt pèp, lòt nasyon, paske nou tout se sitwayen

yon menm planèt,

- Fòk ou aprann chache konprann diferans ki gen ant moun ak moun, ant gwoup sosyal ak gwoup sosyal, epi fòk ou chache respekte divèsite sa yo, respekte diferans ki genyen ant ras moun, ant lang moun yo pale, ant kilti yo, ant relijyon yo, ant sèks yo (ant gason ak fi), eksetera, epi ou dwe chache konprann relasyon konplike ki genyen ant divèsite ak kominote,

Se yon sitwayen ki gen yon nivo moral responsab epi ki pran reskonsablite aji, lè l

dwe aji,

Sa vle di :

Page 26: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

26

- Fòk ou toujou chache konsidere tout dwa natirèl, kretyen vivan genyen, adopte yo kòm valè, kòm prensip pou w suiv, nan relasyon w avèk lòt moun, avèk anviwònman sosyal ou,

- Fòk ou aji avèk sans responsablite epi transfòme tèt ou sou plan pèsonèl ak sou plan sosyal,

- Fòk ou bay tèt ou konpetans pou w ka patisipe nan lavi kominote a epi aji nan sans

pou w ede lemonn vin miyò, nan aji avèk bon konprann, avèk moralite epi nan lapè,

- Fòk ou konprann enpòtans byen komen, patrimwàn fizik ak patrimwàn kiltirèl peyi a, ansanm ak patrimwàn mondyal, limanite genyen kòm byen,

Kòm bon sitwayen, ou dwe toujou

respekte byen piblik yo ak patrimwàn peyi a, moniman yo ak sit istorik yo. Pa

fè grafiti sou yo, pa kole foto kandida sou yo nan peryòd eleksyon. Ou pa

dwe maltrete yo. Pa mete fatra bò kote yo, paf è bezwen w nan zòn kote yo ye.

Respekte lari a avèk plas piblik yo. Ou pa dwe gaspiye lajan Leta. Lè w okipe yon pòs enpòtan nan Leta, ou dwe moutre ou vo plas la, ou dwe moutre ou diy pou w okipe fonksyon an, moutre ou gen sans

responsablite. Pa pran lajan Leta pou w regle afè pa w, lajan leta se lajan lòt

moun, se lajan tout moun ansanm, moutre ou gen

moralite, chonje repitasyon fanmi w

(madanm ou pitit ou ak moun ki pote siyati w). Diyite pi gwo richès pase

lajan ak byen. Moun ki gen bon konprann konnen sa trè byen, Respè pou patrimwàn peyi a, se respè pou tout ansyen nou yo, ki te batay, pou kite byen yo pou nou. Maltrete patrimwàn peyi a, se manke ansyen yo dega, se manke tout nasyon an dega. Se aksyon ki grav,

- Se pou w respekte drapo peyi a, pa kite l tonbe atè, pa kite li sal, pa kite li blaze pou jis li vin lèd, li se senbòl diyite nou chak kòm sitwayen Ayisyen. Lè y ap moute drapo a, fòk nou kanpe pou n salui l ak anpil respè, ak anpil fyète. E, se sitwayen ki gen respè pou drapo peyi li, lang peyi li, sa peyi li pwodui, kilti peyi li, ki kapab travay pou devlòpman peyi li toutbon vre. Kòm sitwayen ki gen bon sans responsablite, se sou respè yon sitwayen genyen pou tout mak fabrik sa yo, pou w gade pou w ka vote pou

Page 27: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

27

li kòm yon kandida nan peryòd eleksyon, paske ou gen reskonsablite pwoteje peyi a, kòm eritaj, zansèt yo te redi kite pou ou ak pou pitit ou,

- Fòk ou kwè nan tèt ou, fò w konn valè peyi w, fòk ou gade sou gwo aksyon ansyen yo te fè nan je lemonn antye, pou w ka konn valè pa w, kòm desandan yo, kòm pitit-pitit-pitit yo,

- Fòk ou konprann konsekans divès fòm pwoblèm polisyon genyen sou espès vivan yo,

- Fòk ou konprann kouman kwayans avèk valè lòt moun adopte, kapab enfliyanse desizyon y ap pran nan nivo sosyal ak politik, kit se desizyon nasyonal, rejyonal oswa mondyal. Fòk ou konprann difikilte kwayans sa yo, valè sa yo, kapab prezante pou kesyon gouvènans, epi pou w ede nan chache solisyon pou yo,

- Fòk ou konprann kesyon jistis sosyal lè w ap aji kit nan nivo lokal, nan nivo rejyonal oswa nan nivo mondyal,

- Fòk ou sousye pou pwoblèm klima a, pou mouvman konsomatè yo ap fè, pou kesyon mondyalizasyon ekonomik, pou komès ekitab, pou migrasyon,

- Fòk ou pare pou w pran swen lòt pwochen ki an difikilte, fòk ou travay pou w

pwoteje anviwònman an,

- Fòk ou aji kòm yon antreprenè sosyal, nan kreye sistèm òganize ki kapab ede lavi nan kominote a amelyore,

- Ou dwe kwè nan patisipasyon tout moun, nan dyalòg, nan travay pou evite konfli

oswa nan jere konfli pou w fasilite lapè epi pou w konbat enjistis.

Page 28: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

28

III. AKSYON YON BON SITWAYEN NAN KONTÈKS AYITI A

Page 29: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

29

III. AKSYON YON BON SITWAYEN NAN

KONTÈKS AYITI A

3.1. Aksyon lokal – Ajenda 21 lokal Ayiti

on bon sitwayen nan kontèks Ayiti a, se yon sitwayen ki konprann

divès pwoblèm, limanite ap travèse epi ki tèlman santi li konsène, li pa rete 2 bra kwaze ap gade ni ap tann, li foure tèt li nan divès kalite efò k ap fèt nan peyi li, pou ede kominote a rezoud pwoblèm yo oswa pou diminye yo epi pou pèmèt moun viv nan lapè. Paske li deja konprann si l ede pwoblèm yo rezoud nan peyi pa li, se pwoblèm limanite li ede rezoud tou. E, lè konsa, li konnen li ka chache solidarite nan nivo entènasyonal pou l rive nan objektif li, avèk aksyon l ap poze nan nivo peyi pa li oswa nan nivo lokalite l ap viv la. Etan done yon bon sitwayen nan kontèks jounen jodi a se yon sitwayen lemonn tou, li deja konnen, pou li rive patisipe nan chache solisyon pou pwoblèm peyi li yon fason efikas, fòk li fè sa avèk metòd. Li pa ka aji nan fason izole, fòk li chache gade kisa ki fèt deja sou pwoblèm li vle aji sou li a, ki esperyans lòt peyi fè deja sou menm pwoblèm nan pou l ka sèvi ak leson yo pran sou sa, pou l konnen kisa otorite peyi li yo deja genyen kòm plan pou aji sou pwoblèm nan, eksetera. Se menm jan an tou, li konnen nasyon yo deja bay tèt yo sèten zouti, sèten enstriman estratejik global, ki ka pèmèt chak peyi mache ak plis metòd pou jwenn solisyon ki konsène divès pwoblèm devlòpman, si yo vle pote solisyon ki dirab. Konsa, san gwo kalkil, lè li anfas yon pwoblèm kèlkonk nan peyi li, nan lokalite li, l ap devlope reflèks pou l fè yon kout je sou enstriman entènasyonal ki sèvi referans pou aksyon lokal yo, pou l ka wè nan ki sans pou l aji, si l vle ale nan menm sans ak rès limanite, pandan l ap konsidere egzijans patikilye pwoblèm peyi pa li yo kapab prezante. Ann Ayiti, pou chak pwoblèm yon bon sitwayen ta renmen pote yon solisyon kèlkonk, l ap chonje poze tèt li sèten kesyon, pou l konnen si : 1) Leta Ayisyen te deja konsilte popilasyon an pou elabore Ajenda 21 lokal pou Ayiti,

Y

Page 30: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

30

2) Si deja genyen yon Ajenda lokal pou Ayiti, èske chak lokalite oswa kolektivite teritoryal genyen pa yo deja, 3) Si poko gen Ajenda lokal, l ap mande konkou laprès ak òganizasyon nan sosyete sivil la pou egzije Leta ankouraje sa epi pou sansiblize sosyete sivil la sou nesesite yon zouti konsa, 4) Si deja genyen, l ap kontakte otorite yo, swa nan nivo nasyonal, swa nan nivo lokal (kolektivite yo) pou l jwenn eklèsisman k ap pèmèt li bay patisipasyon pa l nan chanjman yo deja planifye yo, nan analize lide, nan pwopoze lide, nan ofri kout men, kòm benevòl, eksetera. Nan ka Ayiti a, òganis Leta ki ta ka plis reskonsab yon Ajenda lokal, se ta ministè anviwònman an premye, menm si se yon plan d aksyon ki konsène tout ministè, tankou ministè planifikasyon, ministè enteryè, eksetera. Se yon dwa tout sitwayen genyen, pou yo mande tout sèvis leta yo regleman sou gwo kondisyon Ayiti te pase ak lòt nasyon sou sèten pwoblèm, espesyalman pwoblèm devlòpman dirab. E se reskonsablite Leta a tou, pou l gaye enfòmasyon nan laprès, sou gwo angajman li pran sou tèt chak sitwayen pou avni peyi a, pou yo bay bon jan esplikasyon sou ki kalite suivi k ap fèt sou gwo angajman yo epi pou yo chache entegre popilasyon an nan suivi k ap fèt yo. Fòk tout reskonsab Leta yo toujou chonje yon bagay : tout sa y ap fè nan Leta a, se pa pou tèt pa yo, y ap fè li, se pou popilasyon an, se yon djòb y ap fè pou popilasyon an. Popilasyon an se patwon yo. Fòk yo bay regleman klè sou sa k ap fèt. Nan yon peyi kote anpil moun poko konn li ak ekri, pandan Leta dwe degaje l pou rezoud pwoblèm pa konn li a, fòk li prevwa bon jan estrateji ak mwayen pou enfòme sitwayen yo sou sa k ap fèt, nan sa k konsène angajman yo pran, nan divès emisyon radyo ak televizyon, nan kolabore ak radyo kominotè yo, ki pi pre popilasyon an.

3.2. Jès yon bon sitwayen nan lavi pèsonèl li Malgre Ajenda 21 lokal yo se zouti ki enpòtan pou tout aksyon konkrè nan devlòpman dirab anndan yon peyi, yon bon sitwayen kapab poze yon seri aksyon pèsonèl nan lavi li pou pote konkou nan reyalizasyon divès objektif devlòpman dirab la. Lè konsa, li enpòtan pou l chonje senk (5) gran aks ki reprezante senk (5) finalite devlòpman dirab la, pou l ka oryante tèt li nan divès aksyon, nan divès kalite jès enpòtan li ka fè chak jou, poukont li oubyen ak fanmi li, oubyen nan òganizasyon ki nan sosyete sivil la. Jesyon dechè – Nan zòn riral Triye epi separe Kòm bon sitwayen, lè w fin sèvi ak pwodui lakay ou : pwodui pou w fè manje, tankou yanm, bannann, patat, legim, oubyen ak lòt kalite pwodui tankou sachè an plastik, bokal ak poban

Page 31: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

31

an plastik oswa an tòl, bwòs a dan ki fini, sandal an tui, objè an plastik oswa an kristal ki p ap sèvi ankò, vye rad ize, ak tout lòt sachè an papye, eksetera :

Ou triye dechè yo pou w ka separe sa ki degradab (sa ki depafini rapid) ak sa ki pa degradab (ki pa depafini fasil, ki pran anpil anpil tan pou depafini, 50 tan, 100 tan, 400 zan),

Nan sa ki degradab yo, ou triye sa ki ka sèvi kòm manje pou bèt yo, ou mete yo apa. Sa ki ka sèvi nan fè konpòs pou nouri tè yo, ou mete yo apa, epi sa ou ka repare pou w reyitilize yo, apa.

Sitwayen k ap pratike agrikilti dirab yo konprann sa trè byen e yo konn enpòtans teknik triye-separe a. Paske nan pratik agwo-ekoloji (agrikilti dirab), resiklaj pwodui n ap konsome dwe pèmèt yon ekilib ant tè a ki fè manje a, ak moun epi ak bèt nou gade yo. Nan pwodui yo, latè dwe jwenn pa li, moun dwe jwenn pa yo epi bèt yo dwe jwenn pa yo tou. Konsa, tout dechè ki te kapab al nui anviwònman an, ki te kapab al polye li, vin itil yon lòt fason. Po bannann, po patat, eksetera, vin tounen manje pou bèt (kochon, kabrit…), poban ak bokal yo kapab byen netwaye pou w mete tabak an poud, ak lòt sa ki nesesè, gen lòt ki ka sèvi kòm konpòs pou w nouri tè a, lè w ap fè jaden. Prensip 3R An jeneral, chak bon sitwayen kapab ede nan pwoteje anviwònman an, lè l ede latè polye mwens. Yon prensip enpòtan pèmèt sa fèt fasil, nan fason n ap viv chak jou, lakay nou, nan mitan fanmi nou. Se prensip 3R : 1. Redui nan kantite bagay n ap achte vire tounen. Pafwa, nou achte yon bagay, paske

je n tonbe sou li sèlman, 2. Reyitilize pwodui yo, reyitilize sa ki vlope pwodui yo, pou n ka diminye kantite dechè,

kantite fatra ki ta ka polye anviwònman an, 3. Resikle sa nou ka resikle nan pwodui nou achte yo, sa vle di transfòme yo an lòt

pwodui ki itil. Enpòtan Anpil abitid lontan kapab ede nou pwoteje anviwònman an. Ann Ayiti, timoun yo te toujou konn sèvi ak mamit mantèg, mamit pat tomat ak mamit lèt an poud, pou yo fè bèl ti machin an jwèt, tout kalite modèl (otobis, vwati, kamyon) pou vann lòt timoun kòm jwèt, nan epòk yo konn ap achte jwèt pou timoun (epòk Nwèl). Lè yon timoun antre

Page 32: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

32

nan reyitilize matyè an tòl oswa an plastik pou reyalize bèl travay ki itil lòt moun, yo vin gen posiblite pou yo devlope entèlijans yo plis. Resiklaj dechè, se yon aktivite ekonomik ki konn rapòte lajan. Se yon sektè ki diminye chomaj anpil. Evite twòp sachè ak bwat pou w vlope Lè w ap achte, fè yon fason pou w pa oblije sèvi ak twòp sachè pou w vlope pwodui yo, ni ak twòp bwat pou w kouvri yo. Sa pral pèmèt vin gen mwens fatra nan anviwònman an. Sitiyasyon an ka pi konplike toujou si se anbalaj ki fèt an plastik, paske plastik yo bay anpil pwoblèm, yo gen lavi di. Lè yo an grann kantite, yo blaze figi anviwònman an. Prefere pwodui ki respekte anviwònman lè w ap achte

Yon pwodui ki respekte anviwònman, se yon pwodui ki pa kouvri ak yon anbalaj ou oblije jete tousuit, oswa ak yon anbalaj ki pa ka degrade vit. Pa egzanp, yon manje ki nan asyèt an “foam” oswa yon lòt pwodui ki fèt an foam, oblije ou jete foam nan tousuit, paske ou pa ka reyitilize li. Menm bagay pou yon bann ti kèp oswa sachè dlo an plastik, ou oblije jete kou w fin sèvi avèk yo. Ekonomize enèji a Pa kite limyè yo limen san w pa bezwen. Pa kite radyo ni televizyon limen, san w p ap tande oswa gade. Ankouraje itilizasyon enèji ki sòti nan fòs van k ap vante a, nan solèy la, lè sa posib. Mache a pye pito – Moute bisiklèt pito Olye ou pran taksi, kamyonnèt oswa olye ou itilize veyikil ki boule luil avèk gaz, prefere moute bisiklèt, prefere mache, prefere moute bèt ou (milèt, chwal, bourik), selon kote w ap viv la. Luil ak gazolin k ap boule nan motè se gwo lènmi kouch ozòn nan, kouch k ap pwoteje nou kont reyon iltravyolè solèy la. Diminye nan moute avyon, nan al pase vakans aletranje. Avyon yo polye atmosfè a. Pase plis vakans nan peyi d Ayiti, vizite bèl zòn ou poko konnen ditou, al benyen nan rivyè, moute bèt, manje pwodui natirèl, ki bon pou lasante. Ann Almay, yon peyi ki fè gwo mak machin, gen gwo paryaj (konpetisyon) ant gran vil yo, nan chache wè nan kilès ladan yo sitwayen yo moute bekàn plis. Se menm bagay k ap pase nan lòt gran peyi tankou Lafrans, paske peyi sa yo byen konprann danje polisyon atmosfè a sou lavi kretyen vivan, sou avni limanite.

Page 33: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

33

Prefere achte aparèy ki pa mande anpil enèji Prefere achte lanp neyon ki pa boule anpil kouran. Achte plis aparèy ki mache ak enèji solèy la. Itilize matyè izolan - Plante pyebwa nan antouray ou Pou w diminye chalè epi pou w pa oblije itilize klimatizè, mete materyo izolan sou panno kay ou ak do kay ou epi plante pyebwa ki bay lonm nan lakou lakay ou. Byen kondui oto. Si w oblije kondui oto, pa bay gwo gaz, pou w pa gaye twòp lafimen sou moun, se maledve. Se pa konsa yon sitwayen serye aji. Pa bay gwo gaz pou w pa polye atmosfè a nonplis. Si w ap fè vwayaj lwen, depi li posib, pran transpò an komen, pou w evite twòp machin ap boule gaz ak luil. Ekonomize dlo Kòm bon sitwayen, ou dwe toujou ekonomize dlo. Toujou fèmen wobinè a lè w fin sèvi.

3.3. Jès yon bon sitwayen nan lekòl li ak nan

inivèsite kote li ye Kreyasyon klib refleksyon ak animasyon kiltirèl

Kòm jèn nan lekòl segondè oswa nan inivèsite, ou kapab fè tèt ansanm ak lòt kanmarad ou pou w mete yon klib refleksyon ak animasyon kiltirèl kanpe nan lekòl ou, pou w ankouraje lòt jèn parèy ou nan devlòpman entèlektyèl ak lakilti sou divès pwoblèm ki konsène devlòpman, espesyalman devlòpman dirab, sou lasyans, sou divès pwoblèm politik entènasyonal, sou pwoblèm migrasyon, ekonomi, idantite kiltirèl, divèsite kiltirèl, eksetera. Gen divès estrateji ou ka devlope anndan klib la:

- Envite kèk espesyalis nan sèten domèn sou diferan sijè, tankou rechofman klima a,

sou pwoblèm ris ak katastwòf, sou pwoblèm ekonomi nan lemonn, sou pwoblèm amenajman teritwa, sou kesyon posiblite yon jèn ka esplwate nan NTIC yo ak sou rapò ki egziste ant NTIC avèk devlòpman dirab,

- Fè rechèch sou divès sijè ki konsène diferan tematik nan sa nou sot site yo epi sou

dwa sosyo-ekonomik yo ak dwa kiltirèl yo. Apre sa, chwazi yon peryòd fiks, selon yon pwogramasyon ou defini ak lòt manm klib la, pou w ka pataje rezilta rechèch yo avèk kanmarad ou yo,

Page 34: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

34

- Envite espesyalis vin bay konferans sou relasyon entènasyonal, politik transnasyonal, pandan n ap chache konprann kesyon egalite (ekite) nan koperasyon bilateral ant gwo peyi ak ti peyi (relasyon mi wo – mi ba), pou n wè sa k merite chanje epi ki pwopozisyon nou ka fè gouvènman nan peyi nou, kòm sitwayen ki vle patisipe pou lapè sitwayen yo.

- Envite lòt jèn nan lòt lekòl oswa nan lòt fakilte pou vin asiste epi pou vin diskite sou

divès pwoblèm, ekspè yo trete nan konferans yo bay nan klib la, envite lòt jèn yo vin prezante lide pa yo, nan kad yon seri panèl, klib ou a òganize, avèk rekòmandasyon sou kèk aksyon pratik ki nesesè ann Ayiti, pandan y ap chonje senk (5) finalite devlòpman dirab yo :

Klima (rechofman) ann Ayiti, Resous natirèl, patrimwàn ak biyodivèsite (divèsite kiltirèl sitou) ann Ayiti, Amoni nan relasyon sosyal ann Ayiti, Bezwen esansyèl popilasyon an, Konsomasyon ak pwodiksyon byen ak sèvis.

- Envite gwoup atis pou vin bay animasyon nan kad animasyon kiltirèl, klib ou a prevwa selon yon kalandriye ou te deja planifye ak lòt kanmarad ou yo, envite gwoup teyat vin jwe epi pwofite pou w sansibilize lòt jèn nan peyi a sou divès pwoblèm jenerasyon jodi a genyen,

- Òganize konkou ant lekòl ou a ak lòt lekòl sou esperyans jesyon dechè, nou ranmase anndan espas lekòl la menm. Kontakte mezon komès yo oswa enstitisyon ki ka ba w èd pou w finanse yon koup, yon twofe, eksetera, pou lekòl ki genyen yo,

- Chwazi kèk dat enpòtan ki an rapò ak divès pwoblèm entènasyonal, tankou 5 jen (jounen mondyal anviwònman) pou w pase dokimantè ki egziste sou pwoblèm ekoloji, anviwònman, sou kesyon 10 desanm (dat deklarasyon inivèsèl dwa moun), eksetera,

- Chwazi yon dat epi fòme yon delegasyon pou n al vizite Ministè Anviwònman ak

Ministè Planifikasyon, pou n al konprann divès estrikti Leta Ayisyen mete sou pye pou reponn divès egzijans ki nan Ajenda 21 an, paske sa Leta ap fè yo konsène avni nou. E sa ap pèmèt sèvis piblik yo (Ministè yo) reponn egzijans transparans vizavi sitwayen yo nan sosyete a. Paske yo p ap travay pou tèt pa yo. Se pou nou, y ap travay. Pwofite mande responsab yo ki fòm patisipasyon yo prevwa pou jèn nan lekòl segondè ak nan Inivèsite nan Ajenda 21 lokal yo,

- Mande yon envitasyon pou klib la nan espas kiltirèl ki nan medya yo, pou n pataje

esperyans nou kòm jèn nan lekòl nou ye a, nan fakilte nou an, pou pèmèt lòt jèn nan

Page 35: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

35

lòt fakilte, nan lòt lekòl, konnen kisa yo ka fè nan lekòl pa yo tou. Pwofite okazyon medya yo, pou n bay popilasyon an yon kont randi sou vizit klib la fè nan enstitisyon Leta yo, yon fason pou yo menm tou, yo kapab pote kole nan efò Leta a ap fè sou kesyon devlòpman dirab la,

- Envite yon espesyalis nan kesyon biyodivèsite, resous ak patrimwàn ann Ayiti, pou

nou ka gen yon lide sou sa ki disponib nan peyi a kòm resous, sou fason yo ka esplwate yo, fason yo ka pwoteje yo. Apre sa, bay yon kont randi sou prezantasyon sa a nan emisyon radyo. Konsa, popilasyon an va konnen peyi a pa pòv, li gen richès, dekwa pou w ankouraje jèn etidyan parèy nou rete nan peyi a, pou w fè lespri yo travay pou jwenn inisyativ nouvo, epi konsa, pou redui fenomèn migrasyon an,

- Òganize vizit yon seri sit istorik, vizit nan mize yo, pou n ka konprann ki gwo efò

zansèt nou yo te konn fè pou yo te kite peyi sa a pou Ayisyen, pou n pi byen konprann gwo mèvèy nou te abitye fè, pou n vin kwè nan tèt nou epi pou n pa oblije pati kite peyi a oubyen kite lokalite kote nou sòti, ki gen dwa gen anpil resous pou l ta devlope.

3.4. Jès yon bon sitwayen nan katye li, nan komin l ap viv

Fòmasyon komite katye – òganizasyon devlòpman kominotè

Pou netwayaj Yon bon sitwayen se yon moun ki konprann enpòtans yon anviwònman pwòp pou byennèt moun epi ki deside moute komite nan katye kote li rete pou veye sou antretyen katye a nan kesyon lapwòpte. Li ede komite a veye sou jan moun nan katye a ap dispoze fatra. Li fè demach bò kote moun nan katye a pou yo bay kotizasyon pou achte poubèl ak pèl, pou netwaye epi pou achte sachè pou moun yo mete fatra ki fèt lakay yo. Yo fè tout sa ki posib pou yo mete lameri okouran egzistans komite a e yo chache genyen bon jan kolaborasyon avèk li, pou kamyon kapab toujou pase pran poubèl la regilyèman. Pou ris ak katastwòf Manm komite yo ap chache bay moun ki nan katye yo tout lòt sipò nan prevansyon ris, nan jere katastwòf natirèl, avèk nan aksidan oswa dife. Lè gen aksidan komite a dwe aktif nan rele anbilans tousuit, lè gen dife, li ka rele ponpye tousuit. Komite katye a ka fè tout demach pou l jwenn fòmasyon pou manm yo sou prevansyon katastwòf ak ris. Y ap fè efò pou yo jwenn fòmasyon sou sekouris, pou yo ka aji rapid nan ka ijans. Pou lwazi ak distraksyon – Aktivite sansibilizasyon sou konsomasyon

Komite a ka chache òganize aktivite distraksyon ki sen pou jèn yo, pou evite yo tonbe nan debòch (bwè tafya, eksetera) ki ka gate avni yo. Li ka chache mete biblyotèk pou jèn

Page 36: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

36

ki sou katye a ka fè lekti. Nan peryòd vakans, li posib tou, pou li òganize chanpyona lekti, chanpyona espò ak lòt jwèt. Sa pèmèt amoni ant moun ak moun ki nan katye a, sa favorize rapwòchman youn ak lòt. Apre sa, komite a kapab òganize aktivite sansibilizasyon kay an kay, oswa nan yon espas byen fiks nan katye a, pou sansibilize moun yo sou nesesite pou yo gen pi bon konpòtman nan sa y ap manje ak nan kalite pwodui y ap achte. Li va toujou ankouraje sitwayen yo konsome pwodui lokal yo, akòz yo gen plis garanti pou sante yo, epi konsa, y ap ankouraje peyizan yo pwodui plis. Pou evite polisyon akòz twòp bri

Kòm bon sitwayen nan komite a, w ap veye pou moun ki nan katye a viv nan lapè, san twòp bri pa nui yo, pou yo jwenn mwayen repoze nòmalman, san pèsonn pa louvri radyo twò fò, san motosiklèt ak machin pa oblije fè twòp bri nan katye a. Pou dlo ak kouran elektrik Manm komite katye yo ap òganize yo ansanm ak moun ki nan katye yo pou yo fè demach bò kote òganis ki la pou sa yo, pou yo jwenn dlo ak kouran elektrik, ki nesesè pou bezwen yo. Y ap veye pou okenn raketè pa anpeche sitwayen katye yo jwi dwa yo pou yo jwenn dlo ak kouran, san okenn rakèt. Se yon fason pou sitwayen ki manm komite a, aji an moun de byen, k ap fè efò kont kòripsyon ann Ayiti. Se menm jan an tou, komite katye a ka òganize manm yo pou y ale nan EDH ak DINEPA, pou y al mande esplikasyon sou rezon ki fè yo pa ka jwenn dlo ak kouran epi kisa ki fè lè gen yon pàn kouran, yo oblije pran 2, 3, 4, 5 oswa 6 mwa pou y al leve pàn nan. Depi yon sosyete pa òganize tèt li, depi sitwayen yo ap viv degrennen, san okenn solidarite, yo p ap ka gen okenn kontwòl sou jan Leta a ap mache, okenn kontwòl sou sèvis piblik yo, e, se atò y ap kontinye soufri. Sansibilizasyon sou dwa timoun – timoun restavèk Nan okazyon jounen mondyal dwa timoun ak jounen nasyonal dwa timoun (chak 20 novanm), komite katye a kapab sansibilize moun ki sou katye a pou yo chonje yon timoun ki rete avèk yo genyen menm dwa ak tout lòt timoun epi moutre yo li nessè pou timoun sa yo pa sibi okenn maltretans fizik oswa moral, pou yo ale lekòl epi pou yo jwenn tan pou yo repoze yo. Si yo remake kèk ka kote gen moun sou katye a k ap maltrete timoun k ap travay avèk yo oswa k ap fè vyolans seksyèl sou yo, se pou yo kontakte Brigad pou Pwoteksyon Minè yo (BPM) - telefòn: 188, oswa y ap rele Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch, nan 511 oubyen nan 133.

Apre sa, kòm bon sitwayen, manm komite katye yo ap enterese lòt sitwayen ki gen timoun k ap travay lakay yo, chache konnen kisa lalwa di sou jan pou yo trete timoun sa yo. Se menm jan an tou, komite a ap toujou dispoze pou soutni tout efò k ap fèt nan nivo lòt òganizasyon nasyonal tankou òganizasyon entènasyonal yo, pou ede Leta Ayisyen mete Akò entènasyonal ki rele Konvansyon 182 a, ann aplikasyon, yon akò li te ratifye an 2007, ki pale sou pi move fòm travay timoun yo.

Page 37: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

37

3.5. Jès yon bon sitwayen nan òganizasyon kominotè yo

Pou dwa sosyo-ekonomik ansanm ak dwa kiltirèl yo

Nan ka yon òganizasyon devlòpman kominotè oswa nan nenpòt lòt kalite asosyasyon, tankou koperativ ak kès popilè, ak lòt òganizasyon devlòpman, bon sitwayen an ap chache sansiblize moun ki nan komin nan sou dwa sosyo-ekonomik yo ak dwa kiltirèl yo. Manm yo ap chache devlope bon kalite relasyon ak majistra yo ak lòt eli lokal yo pou idantifye ansanm ak popilasyon an divès mank ki genyen nan satisfaksyon diferan bezwen popilasyon an (aktivite travay, komès, sèvis, ki rantre lajan). Òganizasyon an ap chache konnen si komin nan gen yon Ajenda 21 lokal pou li menm menm. L ap ede eli lokal yo elabore Ajenda 21 an, si komin nan pa genyen l, epi l ap mete tèt ansanm ak popilasyon an pou yo elabore sèten pwojè pou rezoud sèten pwoblèm.

3.6. Jès yon bon sitwayen nan sendika yo ak nan lòt asosyasyon

Pou defans dwa travayè yo ak responsablite antrepriz yo Kòm yon bon sitwayen k ap evolye anndan yon òganizasyon sendika, li enpòtan pou w òganize fòmasyon pou manm yo epi pou w pwofite sansiblize yo sou diferan tematik ki an rapò ak devlòpman dirab. Nan efò òganizasyon an ap fè pou akonpaye manm yo nan defann dwa yo, se pou li chonje revandike yon salè desan pou yon travay desan. Apre sa, l ap fè pledwaye nan sosyete a, nan tèt ansanm ak sitwayen òganize yo, pou fè Leta kontwole kalite pwodui antrepriz yo ap vann, tankou kalite pwodui makèt yo ap vann, pou verifye si yo pa gen eleman chimik ki danjere pou sante popilasyon an. L ap patisipe ak òganizasyon nan sosyete sivil la pou fè presyon sou Leta pou kontwole divès kalite antrepriz k ap fè pwodui moun ap itilize, pou egzije yo pase nan kontwòl kalite, pou Leta ak tout moun ka konnen kisa ki nan konpozisyon pwodui sa yo. L ap ankouraje sitwayen yo moute sendika konsomatè. Yon sosyete kote konsomatè yo pasif, se yon sosyete ki pa an sekirite. Lajan lekòl timoun moute nenpòt ki jan san okenn rezon valab, menm bagay pou gazolin ak lòt pwodui ki nesesè. Sendika konsomatè yo ap mande Leta Ayisyen (Ministè Komès ak Endistri, Ministè Sante Piblik) pou kreye plis travay nan mete brigad siveyans pou veye sou respè dwa konsomatè yo nan kalite pwodui y ap konsome, brigad k ap la an pèmanans, pou veye sou medikaman y ap vann nan lari, sou bweson y ap vann, sou vyann y ap vann kote ki pa gen konjelatè, sou manje kuit k ap fèt nan move kondisyon nan lari. Y ap debake nenpòt ki lè sanzatann nan kèlkeswa restoran, pou verifye nan ki kondisyon kizin yo ye, kalite pwodui y ap mete nan manje y ap sèvi kliyan konsomatè yo. Leta va toujou chonje pou fè antreprenè yo konprann lajan pa premye resous ki enpòtan, konsa, pwofi lajan an dwe pase apre benefis sante pou popilasyon an. Leta Ayisyen (Ministè Komès ak Endistri

Page 38: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

38

nan tèt ansanm ak Lachanm) dwe kouri prese kalkile yon lwa sou responsablite sosyal antrepriz yo, ni pou sitwayen yo, ni pou anviwònman peyi a, epi vote lwa sa a tousuit. Pou sekirite ak diyite sitwayen yo – Pou moun andikape ak granmoun aje Òganizasyon nan soyete sivil la va toujou fè Ministè Anviwònman ak enstans ki la pou Sekirite Piblik, chonje pou yo fè tèt ansanm ak lòt sèvis Leta ki la pou sa, pou veye sou fonksyònman ak eta tout veyikil a motè k ap ponpe lafimen nan figi moun, sou kamyon baskil k ap pote sab ki pa kouvri ak ba fè pou konstriksyon, sou motosiklèt k ap pote plis pase 2 moun, pou sekirite popilasyon an. Se menm jan an tou, annatandan, Leta rive òganize transpò piblik la toutbon vre, òganizasyon nan sosyete sivil la ap mande pou Leta toujou kontwole si chofè tout kamyonnèt ak otobis, respekte sekirite ak diyite sitwayen yo, nan mete yon ti poubèl nan veyikil sa yo, nan mete ban ak kousen ki an bòn eta ladan yo, nan veye pou okenn fè oswa objè pwenti pa dechire rad pasaje yo ni blese yo, nan evite louvri radyo byen fò nan zòrèy pasaje yo, nan manke pasaje yo dega, pou yo pran bon jan prekosyon pou ede moun ki andikape oswa moun ki aje, moute oswa desann machin nan an sekirite, nan tout pasyans sa mande, pou okenn moun oswa timoun pa chita sou moun, pou okenn moun pa kwense, pou machin yo pote kantite

moun yo dwe pote. Tout sa, se nan objektif pou respekte dwa sitwayen yo, pou pèmèt lapè, byennèt ak respè diyite tout moun, san paspouki, nan sosyete a. Pou defann dwa pwofesè lekòl ak lòt pwofesyonèl k ap fòme lòt moun nan tout lòt domèn Fòk sendika yo sansibilize sosyete a, dekwa pou Leta mete yon bon griy salè ki rezonab pou pwofesè lekòl. Kòm sendikalis, fòk ou pote kole nan fè bon jan pwopozisyon sou karyè pwofesè yo ak lajan y ap resevwa nan peryòd pansyon

yo, pou yo ka fè rès tan y ap viv la nan sekirite ak nan diyite yo merite. Edikasyon se

Page 39: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

39

premye pòt pou yon sosyete pase pou l rive sou wout devlòpman ak pwogrè. Lè yon sosyete envesti nan edikasyon se nan moun li envesti. Envesti nan moun, se pi gwo envestisman nasyon yo te ka fè. Se yon envestiman ki dirab, yon envestiman ni pou jenerasyon jodi, ni pou jenerasyon demen. Leta dwe degaje l pou l mete yon bon valè lajan nan bidjè a pou fòmasyon pwofesè yo ak pou salè pwofesè yo. Pa gen okenn edikasyon bon kalite ki posib, san pwofesè yo pa fòme regilyèman, san pwofesè yo pa santi yo an sekirite, san yo pa motive. Pa gen okenn edikasyon bon kalite si lekòl yo pa gen yon laboratwa pou syans eksperimantal, oswa materyèl pou fè eskperyans. Chimi ak lòt matyè syantifik pa ka fèt sou tablo ak lakrè sèlman. Pa gen devlòpman dirab san bon jan edikasyon. Apre sa, fòk sendika pwofesè yo goumen pou sansiblize direksyon lekòl yo ak pwofesè yo pou yo respekte dwa timoun yo, espesyalman dwa pou timoun yo aprann nan bon kondisyon, yon fason pou efò yo menm, y ap fè kòm pwofesè pa pase nan lib, pou reskonsablite move fòmasyon timoun yo pa tonbe sou do yo. Nan menm sans lan, fòk sendika pwofesè yo batay pou direksyon lekòl yo ak pwofesè yo respekte dwa lenguistik timoun yo, pou yo ka konprann pa gen pi bon zouti kominikasyon pou ansèyman ak aprantisaj pase lang matènèl yon timoun. Sou baz atik 5 Konstitisyon peyi a, plis dekrè 28 sektanm 1979, sou lang yo dwe itilize nan lekòl ann Ayiti, epi sou baz egzijans Akò Entènasyonal sou Dwa Timoun yo, yon Akò Ayiti te ratifye an 1994, pwofesè syans sosyal yo ak pwofesè sivis yo va toujou chonje atik 29.C Akò a, ki pale sou edikasyon timoun yo, pou yo moutre timoun yo respekte lang manman yo, lang peyi a, ansanm ak kilti peyi a. Pou patisipasyon ak suivi Ajenda 21 yo Òganizasyon nan sosyete sivil la va toujou chonje pou yo fè manm yo konnen divès responsablite yo genyen pou redui sou konsomasyon yo, sou itilizasyon veyikil a motè, pou yo bay patisipasyon yo nan elaborasyon Ajenda 21 yo epi pou veye sou suivi k ap fèt sou yo ak sou jan y ap mete yo ann apliksyon. Y ap veye pou yo fè negosyasyon kolektiv yo selon prensip demokrasi, prensip respè pou lòt pati yo epi pou travay pou lapè, nan evite konfli, k ap gen move konsekans sou byennèt sosyete a.

Page 40: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

40

REFERANS

ARNAUD (Emmanuel) ak lòt. - Le développement durable. - Paris : Nathan, 2008. - 160 p. – (Koleksyon Repères Pratiques : 73.)

BARTHÉLEMY (Gerard).- Le pays en dehors – Essai sur l’univers rural haïtien. Éd. CIDIHCA et H. Deschamps, 1989.

BENEDICTE (Manier).- Le travail des enfants dans le monde. Éd. La découverte, Paris, 1999, 2003, 2011.

BROWN (Lester R.) ak lòt. - L’état de la planète. - Paris : Éd. ECONOMICA, 1997. - 257 p.

CAPUL (Jean-Yves).- Dictionnaire d’Économie et des sciences sociales. Hatier, Paris, 2008.

Direction du Personnel, des Services et de la Modernisation (DPSM).- Guide de référence de la formation.- Paris, juin 2004.

DOMINIQUE (Picard).- Politesse, savoir-vivre et relations sociales. Presses universitaires de France, Coll. Que sais-je? 1998.

DORLÉANS (Henri M.).- Connais-toi toi-même et change ton pays.-AFPEC, 2015.

GAUDIN (Jean-Pierre).-La démocratie participative.-Armand Colin, 2e edition, 2013.

HESSELINK (Frits) ak lòt.-Communication, éducation et sensibilisation du public (CESP) Guide pratique destiné aux points focaux et aux coordonnateurs des stratégies et plans d’action nationaux pour la diversité biologique (SPANB), sl, sd.

HOFFMANN (Léon-François).- Haïti, couleurs, croyances, créole. Éd. CIDIHCA et H. Deschamps, 1990.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl – UNESCO, Istwa fi ak fanm lakay: Edikasyon seksyèl. – Pòtoprens: UNESCO, 2014.

Ministè Lakilti - Biwo Nasyonal Etnoloji – UNESCO, Pwoteksyon patrimwàn imateryèl. – Ayiti: Ministè Lakilti, 2003. – Koleksyon BNE.

Ministère de l’éducation Nationale de la jeunesse et des sports (MENJS), Commission Nationale pour l’éducation des filles (CONEF), Actes de la Table ronde sur « La problématique de genre dans l’éducation en Haïti, 19-20 janvier 2000.

Ministère des Affaires Sociales et du Travail ak lòt, Les fondements de la pratique de la domesticité des enfants en Haïti, juillet 2002.

PRESSOIR (Eveline).- La discrimination sexuelle, une construction sociale, Module II, guide de formation sur les discriminations liées au sexe. Haïti/Saint-Domingue, s.d.

THIMOTHÉE MILFORT (Ann-Valérie).- La violence de genre. MDM-France, Port-au-Prince, s.d.

Page 41: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

41

UNESCO, Décennie des Nations-Unies pour l’Éducation en vue du Développement Durable (2005-2014) : Plan International de mise en œuvre. - Octobre 2005. – konsilte lyen : http://unesdoc.unesco.org/images/0014/001486/148654f.pdf.

UNESCO, Éducation à la citoyenneté mondiale : Préparer les apprenants aux défis du XXIe siècle. – Paris : UNESCO, 2015. – 47 p.

UNESCO, Feuille de route pour la mise en œuvre du Programme d’action global pour l’Éducation en vue du développement durable. – Paris : UNESCO, 2014. – 39 p.

UNICEF, Timoun yo anvan: AKÒ SOU DWA TIMOUN. – Ayiti: UNICEF, 1994.

WACKERMAN (Gabriel).- Géographie du développement. – Paris : Éllipses Éditions Marketing S.A., 2005. – 357 p. – (Koleksyon Universités – Géographie).

Lòt kalite dokiman :

Géopolitique du développement durable : Rapport Antheios 2005/sou direksyon Pascal Gauchon ak Cedric Tellene.- Paris : Presses Universitaires de France (PUF), 2005. – 374 p. – (Koleksyon MAJOR.)

Guide Pratique de Mobilisation Sociale, de Plaidoyer et de Mobilisation Politique en Promotion de la Sante.- AcDev, 44, Cité Lobatt FALL Pikine/ DAKAR Tél:(221) 834 65 98 mail: [email protected] Contact: Dr ATHIE.

Konstitisyon Repiblik Ayiti, 29 mas 1987. Henri Deschamps, 1991.

Page 42: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

42

ANÈKS

Page 43: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

43

ANÈKS I

SIGJESYON POU ITILIZASYON BWOCHI A

1. LEKTI AVÈK METÒD

Bwochi a chita sou 2 tematik: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen. Men, li òganize an 3 pati: 1) devlòpman dirab, 2) yon sitwayen nan nouvo kontèks mondyal la, 3) aksyon yon bon sitwayen nan kontèks Ayiti a. Anvan yon animatè al reyalize yon seyans sansibilizassyon sou de (2) tematik yo, li nesesè pou l byen li tèks la, depi nan kòmansman li rive nan fen li, pou l kapab konprann 1) relasyon lojik ki genyen ant 2 tematik yo epi 2) konprann agiman (kontni yo) ki devlope nan chak pati yo. Pou tou le twa (3) pati yo, li ta bon pou li konprann objektif yo chak : 1e pati : Devlòpman dirab Objektif : Ede patisipan yo pran konsyans divès menas ki sou planèt la ansanm ak sou tout

espès k ap viv sou li epi konprann enpòtans konsèp (lide) devlòpman dirab la kòm nouvo chemen limanite dwe pran pou pèmèt lavi kontinye, nan lapè ak byennèt, ni pou jodi ni pou demen.

2èm pati : Yon sitwayen nan nouvo kontèks mondyal la Objektif : Ede patisipan yo konprann wòl sitwayen nan chak peyi, nan efò k ap fèt pou yon

devlòpman dirab nan lemonn antye, ansanm ak fason chak sitwayen dwe ye pou yo ka pote kole nan efò sa yo

3èm pati : Aksyon yon bon sitwayen nan kontèks Ayiti a Objektif : Pèmèt patisipan yo dekouvri divès aksyon yo ka poze nan tèt ansanm nan peyi d Ayiti

ansanm ak jès pèsonèl yo ka fè nan lavi chak jou yo pou ede kominote a rezoud sèten pwoblèm nan diferan nivo : nivo sosyal, nivo ekonomik, nivo anviwònman, nivo kiltirèl.

2. ÒGANIZASYON ATELYE Selon kantite patisipan ki genyen, animatè a kapab òganize plizyè gwoup (3-5 gwoup). Tay gwoup yo kapab depann de kantite patisipan ki genyen toujou (5-9 patisipan). L ap veye pou fi toujou melanje ak gason, pou anpeche fi yo fè gwoup apa oswa pou gason yo ta fè gwoup apa. Gwoup yo dwe miks. Nan yon seyans 2 zèd tan minimòm, yo gen dwa reflechi sou diferan pwoblèm yo (ki konsènen 3 pati yo). Pou prezantasyon chak pati yo, animatè a kapab suiv demach sa yo:

a) Prezante patisipan yo objektif sekans lan (sa kapab pèmèt patisipan yo evalye pwòp tèt yo pi devan, lè n chonje aktivite yo, se yo ki pral fè yo. Animatè a ap la pou anime seyans lan, pou akonpaye yo),

an) Brase lide (brainstorming) pou entwodui oswa pou poze pwoblèm nan (sijè a). Sa

pèmèt animatè a mete patisipan yo sou ray. Nan sans sa a, selon pati animatè a ap prezante sou 2 tematik yo, li ka poze patisipan yo kesyon, tankou :

- Kesyon # 1 (pou tematik « devlòpman dirab »), avèk diferan pwen ki mache avèk li yo

(pou tanperati a, pou lanmè yo…). Apre repons chak patisipan sou diferan pwen yo, animatè a ap fè yon ranmase sou diferan lide yo bay yo epi l ap fè yon ekspoze apati yon rezime li te gentan prepare sou pwen 1.1. nan bwochi a (sou eta planèt la),

Page 44: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

44

- Kesyon # 8 (pou tematik « sitwayen »). b) Divize patisipan yo ann atelye pou diskisyon. Chak gwoup ap chwazi yon rapòtè pou

prezante rezilta diskisyon atelye pa yo a. Animatè a ka sèvi ak kesyon 2, 3, 4, 5, 6, 7 (pou tematik “devlòpman dirab”) ak kesyon 9 (pou pwoblèm sitwayen).

ch) Plennyè. Patisipan yo ap retounen nan gran gwoup (plennyè) pou yo prezante rezilta diskisyon yo te fè nan atelye yo (rapòtè chak gwoup ap fè sa). Lòt gwoup yo ap suiv ak anpil atansyon pou yo ka reyaji. Lòt manm ki te nan gwoup k ap prezante travay pa yo a ap suiv tou, pou ranfòse sa rapòtè yo a prezante a. Apre chak prezantasyon, patisipan lòt gwoup yo ap reyaji (kòmantè, kesyon, konplete),

d) Sentèz. Chak fwa patisipan yo fin reyaji sou yon pwoblèm oswa apre prezantasyon travay atelye yo, animatè a ap fè yon ti ekspoze, yon sentèz diferan eleman ki sòti nan diskisyon yo epi l ap ranfòse yo ak yon ti rezime sou eleman esansyèl bwochi a founi sou sijè an diskisyon an. L ap toujou sonje pou l prepare ti rezime sa yo anvan seyans sansibilizasyon an.

SONJE BYEN. Animatè a ap pwosede menm jan an pou chak pati l ap prezante yo. Nan fen seyans sansibilizasyon an, l ap envite yo siyen yon deklarasyon angajman.

3. DEKLARASYON ANGAJMAN Animatè a ap envite patisipan yo siyen ansanm yon « AKÒ SITWAYEN POU DEVLÒPMAN DIRAB », ki se yon lis aksyon konkrè yo deside al poze kòm solisyon pou zòn kote yo ye a. Rezon an se paske objektif sansibilizasyon an p ap gen sans si pa gen angajman konkrè bò kote patisipan yo. Pou yo pa pèdi twòp tan pou fè sa, yo ka annik chwazi nan lis repons yo te deja pwopoze nan atelye yo, sou bristòl yo te prepare pou prezantasyon yo. Epi, sou yon nouvo bristòl, y ap make: “AKÒ SITWAYEN POU DEVLÒPMAN DIRAB”. Apre sa, y ap enimere (avèk nimewo 1., 2., 3., 4., eksetera) tout aksyon konkrè, yo tout ansanm pran reskonsablite al poze nan kominote a, sou pwoblèm devlòpman dirab. Deklarasyon angajman an dwe genyen ekilib nan kategori aksyon yo. Y ap konsène diferan dimansyon devlòpman dirab la : aksyon pou anviwònman, aksyon pou amelyorasyon kondisyon ekonomik, aksyon pou jistis sosyal (dwa moun), aksyon pou respè divèsite (kiltirèl, biyolojik, eksetera). Se sa k fè, anvan seyans yo, animatè a ap toujou sonje fè chak patisipan yo siyen yon lis prezans k ap tou genyen non yo ak siyati yo, nimewo telefòn yo ak imel yo chak, si yo genyen. Sa ap pèmèt patisipan yo tou fè yon rezo pou y al travay ansanm epi pou yo pataje esperyans yo pral fè sou divès pwoblèm ki konsène kominote yo a.

4. MATERYÈL KI NESESÈ POU SEYANS YO Pou atelye yo, animatè a va toujou sonje prepare materyèl ki nesesè pou anime seyans yo davans (bwochi a, bristòl, makè, adezif, sizo, flipchat, mont (oubyen nenpòt aparèy pou kontwole lè)).

Page 45: devlòpman dirab ak pwoblèm ki konsène sitwayen DIRAB.pdf · sou planèt la, konsa, nou ka di prèske pa rete anpil ladan yo. Se lòm ki peche yo twòp nan lanmè a, pou yo ka fè

45

ANÈKS 2

ANN REFLECHI ANSANM! KESYON POU ATELYE 1. Ki divès pwoblèm ou konnen oswa ou tande y ap di ki menase planèt la ?

Pou tanperati a ? Pou lanmè yo ? Dlo pou moun sèvi ? Pou bèt yo ? Pou pyebwa yo ak forè yo ? Pou tè yo ? Pou lè n ap respire a (atmosfè a) ? Pou sitiyasyon kretyen vivan (popilasyon – lanouriti – lasante – rapò moun ak

moun – ris, katastwòf ak sekirite moun)?

2. Devan divès menas ki sou planèt la, kisa ou panse ki ka fèt ? 3. Lè w tande pale de devlòpman, kisa w konprann ? 4. Èske w konn tande pale de devlòpman dirab deja? Kisa sa vle di pou ou ? 5. Nan branch ekonomi oswa nan kesyon devlòpman, kisa mo « kapital » vle di pou ou ? 6. Nan ekonomi oswa nan kesyon devlòpman, kisa ou konsidere kòm resous, kòm

richès ? 7. Kisa ou panse yon bon kalite devlòpman sou latè ta dwe regle kòm pwoblèm, pou

limanite ta pran yon souf devan menas yo ? 8. Kijan ou panse yon bon sitwayen ta dwe ye pou l pote kole nan yon bon kalite

devlòpman, lè w chonje sitiyasyon planèt la pou jounen jodi a ? 9. Ki kalite aksyon ou panse yon bon sitwayen ta dwe poze pou l ta fasilite yon

devlòpman ki ka pote solisyon dirab pou limanite, selon sitiyasyon li ye nan sosyete a ? Nan lavi pèsonèl li ? Nan lekòl li ye ? Nan inivèsite kote li ye ? Nan katye kote li ye ? Nan òganizasyon kominotè yo ? Nan sendika yo ? Nan lòt asosyasyon ankò ?