triptico migrantes creol

2
Tout timoun ki fèt nan peyi Chili, se chilyen, kèlkeswa kondisyon migratwa manman ak papa yo ta ye , yo gen nasyonalite peyi Chili. Pou tout enfòmasyon sou sa ki gen pou wè ak devlopman ak levasyon timoun, ale sou paj entèt: Dwa fanm ansent ak timoun imigran yo DWA AK EDIKASYON Pierre fèt Chili, manmanl ak papal se etranje epi yo nan sitiyasyon iregilye nan peyi a. Pierre fèt Chili manmanl ak papa li se etranje, ki nan sitiyasyon migratwa iregilye nan peyi a (Yo pa gen papye). Tout moun ki fèt sou tèritwa nasyonal la se chilyen, eksepte pitit etranje ki Chili kap sèvi Gouvenmam peyi yo, ak pitit etranje ki pa gen rezidans yo. Yo te entèprete paran Pierre yo kòm moun kap pase, paske sitiyasyon migratwa yo pat regilarize, sa te koz yo pat gen posibilite pou genyen rezidans Chili. Pierre pa chilyen, poutèt sa, yo trete li tankou etranje, epi li dwe mande viza pou li genyen kat idantite chilyen li. Sa vin koz li komanse yon peryòd difisil ki ka bal difikilte nan edikasyon li epi aksè nan lasante, ak anpil lòt bagay ankò. Pierre se chilyen, depi non l enskri nan rejis sivil, li gen “Run” ebyen li gen tout dwa menm jan ak nenpòt chilyen. Sa pa konsidere tankou yon eksepsyon nan Manman Lwa peyi Chili “ius solis”, paske kèlkeswa sitiyasyon migratwa paran yo, depi yo te pran desizyon rete rezide nan peyi a pwovizwaman, ebyen yo pa kapab konsidere yo kòm moun kap pase. Tout moun ki fèt sou tèritwa nasyonal lase chilyen, eksepte pitit etranje ki Chili nan sèvis Gouvènmam peyi yo, ak pitit etranje kap pase nan peyi a tankou pilòt, otès delè, maren ak moun kap fè touris ,elatriye. Pitit etranje ki pa genyen rezidans nan peyi a Ann repare yon fot Koman yo te konn konsidere pitit etranje ki pa gen rezidans. ANVAN Koman yo konsidere pitit etranje ki pa gen rezidans yo. KOUNYEYA 600 486 300 DEM Biro pou Etranje ak Migrasyon Ministè Enteriyè 800540011 INTEGRA Konsèy Nasyonal Jaden Danfan www.integra.cl 226 545 000 JUNJI Konsèy Nasyonal Jaden Danfan www.junji.cl MINISTÈ EDIKASYON 600 600 2626 AYUDA MINEDUC Sèvis piblik pou sitwayen yo, nan Ministè Edikasyon nan peyi Chili www.ayudamineduc.cl https://migrantes.mineduc.cl/ Gadri Jaden Danfan Kolèj Ministerio de Desarrollo Social y Familia Gobierno de Chile Chile Crece Contigo pran angajman l nan zafè pwoteksyon ak devlopman timoun yo. Se yon inisyativ Leta nan peyi Chili pran pou ankouraje egalite depi lavi a kòmanse. Pou sa ki gen pou wè lasantè rele nan: PWOFESYONEL SANTÉ YO, AP EDEW EKLÈSI TOUT DOUT AK ENKYETID OU, 24 SOU 24, 7 JOU SOU 7 Siwv ta bezwen yon sikològ espesyalis pou timoun rele gratis nan Fonoinfancia La traducción de este material ha sido una iniciativa del equipo de la Red Comunal Chile Crece Contigo de La Pintana, SEREMI Metropolitana de Salud y Servicio de Salud Metropolitano Central, y ha sido revisada por Lic. ONEUS Raynold, Especialista en Traducción. Tradiksyon dokiman sa, se te yon isyativ ekip rezo kominal Chile Crece Contigo La Pintana, SEREMI Metropoliten Sante ak sevis Sante Metropoliten Santral, epi ki te revize pa Lic. ONEUS Raynold, Especialis nan tradiksyon. KONDISYON MIGRATWA Pou plis enfòmasyon: www.ayudamineduc.cl Pou plis enfòmasyon sou gadri o jadrin danfan: www.junji.cl Tout timoun ki fèt nan nenpòt peyi gen dwa pou ale lekòl, nan nenpòt kondisyon migratwa li ta twouvel nan peyi Chili . Pitit etranje yo ki pa gen “Run” kapab enskri lekòl, pou sa yap fè demand yon nimewo idantifikasyon pwovizwa (IPE) nan lekòl yo ye a. crece Protección Integral a la Infancia

Upload: others

Post on 31-Jul-2022

12 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: triptico migrantes creol

Tout timoun ki fèt nan peyi Chili, se chilyen, kèlkeswa kondisyon migratwa manman ak papa yo ta ye , yo gen

nasyonalite peyi Chili.

Pou tout enfòmasyon sou sa ki gen pou wè ak devlopman ak

levasyon timoun, ale sou paj entèt:

Dwa fanm ansent ak timoun imigran yo

DWA AK EDIKASYON

Pierre fèt Chili, manmanl ak papal se

etranje epi yo nan sitiyasyon iregilye

nan peyi a.

Pierre fèt Chili manmanl ak papa li se

etranje, ki nan sitiyasyon migratwa

iregilye nan peyi a (Yo pa gen papye).

Tout moun ki fèt sou tèritwa nasyonal

la se chilyen, eksepte pitit etranje ki

Chili kap sèvi Gouvenmam peyi yo, ak

pitit etranje ki pa gen rezidans yo.

Yo te entèprete paran Pierre yo kòm

moun kap pase, paske sitiyasyon

migratwa yo pat regilarize, sa te koz yo

pat gen posibilite pou genyen rezidans

Chili.

Pierre pa chilyen, poutèt sa, yo trete li

tankou etranje, epi li dwe mande viza

pou li genyen kat idantite chilyen li.

Sa vin koz li komanse yon peryòd difisil

ki ka bal difikilte nan edikasyon li epi

aksè nan lasante, ak anpil lòt bagay

ankò.

Pierre se chilyen,

depi non l enskri nan

rejis sivil, li gen

“Run” ebyen li gen

tout dwa menm jan

ak nenpòt chilyen.

Sa pa konsidere tankou yon eksepsyon

nan Manman Lwa peyi Chili “ius solis”,

paske kèlkeswa sitiyasyon migratwa

paran yo, depi yo te pran desizyon rete

rezide nan peyi a pwovizwaman, ebyen

yo pa kapab konsidere yo kòm moun

kap pase.

Tout moun ki fèt sou tèritwa nasyonal

lase chilyen, eksepte pitit etranje ki

Chili nan sèvis Gouvènmam peyi yo, ak

pitit etranje kap pase nan peyi a

tankou pilòt, otès delè, maren ak moun

kap fè touris ,elatriye.

Pitit etranje ki pa genyen rezidans nan peyi aAnn repare yon fot

Koman yo te konn konsidere pitit etranje ki

pa gen rezidans.

ANVANKoman yo konsidere

pitit etranje ki pa gen rezidans yo.

KOUNYEYA

600 486 300 DEMBiro pou Etranje ak Migrasyon Ministè

Enteriyè

800540011 INTEGRA Konsèy Nasyonal Jaden Danfan

www.integra.cl

226 545 000 JUNJI Konsèy Nasyonal Jaden Danfan

www.junji.cl

MINISTÈ EDIKASYON600 600 2626 AYUDA MINEDUC

Sèvis piblik pou sitwayen yo, nan Ministè

Edikasyon nan peyi Chili

www.ayudamineduc.cl

https://migrantes.mineduc.cl/

Gadri Jaden Danfan

Kolèj

Ministerio de Desarrollo Social y Familia Gobierno de Chile

Chile Crece Contigo pran angajman l nan zafè pwoteksyon ak devlopman timoun yo.

Se yon inisyativ Leta nan peyi Chili pran pou ankouraje egalite depi lavi a kòmanse.

Pou sa ki gen pou wè lasantè rele nan:

PWOFESYONEL SANTÉ YO, AP EDEW EKLÈSI TOUT DOUT AK ENKYETID OU, 24 SOU 24, 7 JOU SOU 7

Siwv ta bezwen yon sikològ espesyalis pou timoun rele

gratis nan Fonoinfancia

La traducción de este material ha sido una iniciativa del equipo de la Red Comunal Chile Crece Contigo de La

Pintana, SEREMI Metropolitana de Salud y Servicio de Salud Metropolitano Central, y ha sido revisada por Lic.

ONEUS Raynold, Especialista en Traducción.

Tradiksyon dokiman sa, se te yon isyativ ekip rezo kominal Chile Crece Contigo La Pintana, SEREMI Metropoliten

Sante ak sevis Sante Metropoliten Santral, epi ki te revize pa Lic. ONEUS Raynold, Especialis nan tradiksyon.

KONDISYON MIGRATWA

Pou plis enfòmasyon: www.ayudamineduc.cl

Pou plis enfòmasyon sou gadri o jadrin danfan: www.junji.cl

Tout timoun ki fèt nan nenpòt peyi gen dwa pou ale

lekòl, nan nenpòt kondisyon migratwa li ta twouvel

nan peyi Chili . Pitit etranje yo ki pa gen “Run” kapab

enskri lekòl, pou sa yap fè demand yon nimewo

idantifikasyon pwovizwa (IPE) nan lekòl yo ye a.

creceProtección Integral a la Infancia

Page 2: triptico migrantes creol

Centro de Salud Familiar

Hospital

FANM ANSENT Eske ou konnen siw se etranje ou ansent epi ou nan

sitiyasyon migratwa iregilye (swa viza fini oubyen ou pa

genyen) ou gen dwa pouw mande yon viza tanporè paske ou ansent?Kibò, ou ka fè sa? Ale nan Biro pou Etranje yo ak Imigrasyon

(“Extranjería y Migración”; ki gen sig nan lan panyòl DEM)

ak yon dokiman ki sètifyew kew ansent, dokiman sa ou ka

mandel nan lopital wap swiv la (CESFAM), li dwe gen so sou

li epi fòk li siyen pa yon pwofesyonèl sant sa ; oubyen ale ak

sètifika yon profesyonèl ki nan pati gwosès kote wap swiv la.

Enskripsyon nan FONASA (Fondo Nacional de Salud, Fon Nasyonal Lasante)

Siw gentan fè demand rezidans oubyen viza, ou kapab enskri

nan systèm sante piblik la pwovizwaman. Pou sa wap bezwen

prezante kat yo ba ou nan biro pou Etranje ak Imigrasyon nan

nenpòt biwo FONASA.

Siw se imigran, epi ou te enskri deja nan FONASA, pwosesis

rezidans ou, oubyen viza ou ankou , wap toujou ka benefisye

menm sèvis santè, menm si viza ou, oubyen rezidans ou ta fini,

wap jis prezante lèt renouvelman an ak kat FONASA ou genyen

an.

Swen nan sant sante premye swen yo (Dispansè yo) ak lopital yo Si ou gen yon pèmi rezidans oswa yon pwosesis ki an kou, epi ou gen yon kontra travay aktyèlman nan menmw, ou ka

jwenn yon asirans sante piblik (FONASA) oubyen yon asirans

prive (Isapre).

Si ou se etranje epi viza ou fini oubyen ou pa gen viza, anplis de sa ou pa gen mwayen ekonomik ni asirans sante, ou ka enskri nan

FONASA tankou moun ki nan kategori A (moun ki gen fèb

mwayen ekonomik yo). Pou sa wap bezwen yon deklarasyon

(angajman ekri) ke wap mande nan yon Sant sante oubyen nan

yon Lopital. avèk sa yap ba ou yon nimewo idantifikasyon

pwovizwa pou yon lane, pandan sitiyasyon migratwa ou a an

kou, wap ka resevwa swen gratis.

Aksè ak benefis Chile Crece ContigoYo gen garanti ak tout sèvis Chile Crece

Contigo bay yo, anplis de sa, yon Systèm

Pwoteksyon Entegral pou Timoun yo, ki la

pou kreye meyè kondisyon pou devlopman

yo, depi lè yo nan vant jiskaske yo gen 9

lane.

Kèk nan sèvis yo yap benefisye:

Atansyon pèsonèl lè timoun nan fèt.

Atelye avan akouchman

Materyèl edikasyonèl

Pwogram Sipò pou ti bebe Ki fèk fèt.

Aksè nan fason pou ranfòse devlopman entegral timoun nan.

Pou plis enfòmasyon, ale sou paj entènèt sa:

Sibvansyon Familial Èd sa a se pou moun ki pa gen asistans

familyal epi ki soti nan 60% moun ki

gen pi fèb mwayen ekonomik yo selon

rejis sosyal fwaye yo (Registro Social de

Hogares) nan peyi Chili. Yap bezwen fè

deman èd sa a nan “Dirección de

Desarrollo Social” oubyen “Dirección de

Desarrollo Comunitario” nan meri ki

koresponn ak kote yo rete a.

Alokasyon Familial Pou benefisye èd sa a, fòk papa oubyen manman timoun nan

rekònet ke li responsab li, yap fè demand èd sa a nan biwo

asirans yo asosye a (Caja de Compensación Los Andes oubyen

Los Héroes elatriye), pou sa yap bezwen prezante tout dokiman

yo mande yo.

Yo bay èd sa a chak mwa, ak moun ki pran retrèt, travayè

depandan yo ( moun kap travay ak tèt yo) ki afilye ak yon

sistèm pansyon (AFP o Instituto de Presión

Social). Moun kap travay ak pwòp tèt yo

ap touche kòb sa a yon fwa nan lane a.

Kantite kòb la varye tou depann kantite

kòb wap touche nan travay ou.

Imigran ki gen “Run” (Nimero Inik Nasyonal) yo ka postile pou

benefis sosyal yo, nan nen pòt sitiyasyon migratwa li nan peyi a,

tankou:

DWA AK SWEN SANTE

DWA BENEFIS SOSYAL YO

Lopital piblik yo, ak sant sante yo (dispensè yo) paka pa bay swen ak fanm ansent yo, kèlkeswa sitiasyon migratwa yo, jiska yon lane aprè timoun nan fin fèt.

Ministerio de Desarrollo Social y Familia Gobierno de Chile Gouvènman peyi Chili

Pou plis enfòmasyon: www.extranjeria.gob.cl

Pou plis enfòmasyon: www.crececontigo.gob.cl

Dwa timoun yo genyenTimoun etranje yo (imigran) jiska 18 lane nan nenpòt kondisyon

migratwa yo ye oubyen paran yo, yo dwe gen aksè ak tout kalite sèvis sante ke yo bezwen, epi yap benefisye tout sèvis

Chile Crece Contigo yo tou.

Pèmi Rezidans Tanporè:

Tout imoun ak adolesan imigran yo ki pa al lekòl ka mande viza

tanporè, yap bezwen prezante yon sètifika sante nan Biro pou

Etranje yo ak Imigrasyon.

Timoun ak adolesan imigran yo ki ale lekòl ki rekonèt pa Leta

peyi Chili, ka mande viza tanporè, yap jis prezante kat etidyan

yo nan Biro pou Etranje yo ak Imigrasyon (DEM).

RUN: 26.555.748-K

Rodríguez Gómez

Juan David