lettre de l'observatoire n°3 final ht - urd.org · 3 lèt obsèvatwa ayiti – n°3 fasilite...

15
Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 Groupe URD Haïti Tel : (+ 509) 3170 7570 http://www.urd.org/haïti/ Lèt n°3 Jiyè 2012 Editoryal Obsèvatwa Groupe URD genyen kounyeya sis mwa depi li tabli nan peyi Ayiti. Peryòd sa a ki antre nan kad faz retrè asistans imanitè a ak elaborasyon estrateji nasyonal pou rekonstriksyon yo gen anpil gwo anje men tou anpil kè kase. Prezans anpil kan nan rejyon metwopoliten an ak yon okipasyon akselere yon seri teritwa se eleman esansyèl ki montre gwo nesesite non sèlman pou elabore yon politik nasyonal pou rekonstriksyon men tou pou montre mekanis pou aplikasyon li. Atik ki nan twazyèm Lèt Obsèvatwa a nan kè tranzisyon an epi ap eseye touche kèk eleman ki sansib anpil. Rekonstriksyon an pako kòmanse tout bon vre, li t ap prematire pou nou ta tire konklizyon lè nou konnen rekonstriksyon an planifye sou yon dizèn lane. Pwen nou adrese nan nimewo sa a, pou kounyeya, se sèlman yon seri pwen vijilans ; obsèvatwa gwoup URD a ap gen pou panche li sou yo nan mwa ki ap vini yo. Yo kapab sèvi pou chofe deba a swa nan kontribisyon pou pwochen Lèt Enfòmasyon an (ki gen po soti nan mwa septanm), swa nan atelye diskisyon. Pou travay sou anje sa yo, apò evalyasyon ak rechèch operasyonèl ki mache ak yo, epi tou leson ki soti nan lòt sitiyasyon menm jan an ap pote bon jan ekleraj. Se la a Obsèvatwa Ayiti a, ak fonksyon li pou apiye pwosesis pou moun aprann, pran tout sans li. Kontak nan Pòtoprens : Caroline Broudic - [email protected] -Tel : +509 3170 7570 Site Internet : www.urd.org/haiti Plan Nouvèl Obsèvatwa Ayiti pote pou nou ......................... 2 Evalyasyon pwogram Rekonstriksyon Lojman ak Katye yo ................................................................... 2 Retou sou fòmasyon ki te fèt nan mwa avril ak me 2012 la ................................................................... 2 Atelye travay nan kad etid sou Anviwònman ak Rekonstriksyon ............................................................ 2 Leson nou aprann ............................................ 2 Èske metodoloji pou analize sitiyasyon alimantè ak ekonomik menaj yo apwopriye nan milye lavil ? ........... 2 Evalye èd imanitè nan peyi Ayiti nan nivo rezilyans : premye leson metodolojik. .......................................... 5 Katye Bristou ak Boben fas ak desten yo ..................................................................................................... 9 Ki leson pou rekonstriksyon an ki soti nan seyis 12 janvye 2010 la ?.......................................................... 12

Upload: vuongcong

Post on 18-May-2019

258 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3

Groupe URD Haïti Tel : (+ 509) 3170 7570 http://www.urd.org/haïti/

Lèt n°3 Jiyè 2012

Editoryal

Obsèvatwa Groupe URD genyen kounyeya sis mwa depi li tabli nan peyi Ayiti. Peryòd sa a ki antre nan kad faz retrè asistans imanitè a ak elaborasyon estrateji nasyonal pou rekonstriksyon yo gen anpil gwo anje men tou anpil kè kase. Prezans anpil kan nan rejyon metwopoliten an ak yon okipasyon akselere yon seri teritwa se eleman esansyèl ki montre gwo nesesite non sèlman pou elabore yon politik nasyonal pou rekonstriksyon men tou pou montre mekanis pou aplikasyon li.

Atik ki nan twazyèm Lèt Obsèvatwa a nan kè tranzisyon an epi ap eseye touche kèk eleman ki sansib anpil.

Rekonstriksyon an pako kòmanse tout bon vre, li t ap prematire pou nou ta tire konklizyon lè nou konnen rekonstriksyon an planifye sou yon dizèn lane. Pwen nou adrese nan nimewo sa a, pou kounyeya, se sèlman yon seri pwen vijilans ; obsèvatwa gwoup URD a ap gen pou panche li sou yo nan mwa ki ap vini yo. Yo kapab sèvi pou chofe deba a swa nan kontribisyon pou pwochen Lèt Enfòmasyon an (ki gen po soti nan mwa septanm), swa nan atelye diskisyon.

Pou travay sou anje sa yo, apò evalyasyon ak rechèch operasyonèl ki mache ak yo, epi tou leson ki soti nan lòt sitiyasyon menm jan an ap pote bon jan ekleraj. Se la a Obsèvatwa Ayiti a, ak fonksyon li pou apiye pwosesis pou moun aprann, pran tout sans li.

Kontak nan Pòtoprens : Caroline Broudic - [email protected] -Tel : +509 3170 7570 Site Internet : www.urd.org/haiti

Plan

Nouvèl Obsèvatwa Ayiti pote pou nou ............... .......... 2

• Evalyasyon pwogram Rekonstriksyon Lojman ak Katye yo ................................................................... 2

• Retou sou fòmasyon ki te fèt nan mwa avril ak me 2012 la ................................................................... 2

• Atelye travay nan kad etid sou Anviwònman ak Rekonstriksyon ............................................................ 2

Leson nou aprann .................................. .......... 2

Èske metodoloji pou analize sitiyasyon alimantè ak ekonomik menaj yo apwopriye nan milye lavil ? ........... 2

Evalye èd imanitè nan peyi Ayiti nan nivo rezilyans : premye leson metodolojik. .......................................... 5

Katye Bristou ak Boben fas ak desten yo ..................................................................................................... 9

Ki leson pou rekonstriksyon an ki soti nan seyis 12 janvye 2010 la ? .......................................................... 12

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 2

Nouvèl Obsèvatwa Ayiti pote pou nou

• Evalyasyon pwogram Rekonstriksyon Lojman ak Katye y o

Diskisyon yo ap fèt kounyeya ak ONU-Habitat Ayiti sou yon fòm « akò koperasyon ant Gwoup URD ak ONU-Habitat » sou yon pwojè evalyasyon. Se yon evalyasyon sou Pwogram pou Apiye Rekonstriksyon ak Lojman Katye yo, pwogram ki te kòmanse nan lane 2011 lan epi ki ap gen pou fini nan mitan ane 2014 la. Gwoup URD pwopoze yon evalyasyon san rete nan twa etap : misyon evalyasyon (entèmedyè) nòmal nan lane 2012 la, workshop nan lane 2013 la, dènye misyon evalyasyon (3) nan lane 2014 la.

• Retou sou fòmasyon ki te fèt nan mwa avril ak me 20 12 la Nan dezyèm pati mwa out la, Gwoup URD-Haïti ap envite patisipan yo de dènye sesyon fòmasyon sou evalyasyon kalite pwojè imanitè yo nan yon jounen pataj eksperyans. Se ap okazyon twa mwa apre fòmasyon sa yo pou 1) retounen sou konsèp ak zouti ki pa te twò klè yo, 2) pataje sou aplikasyon metodolojik nan reyalite evalyasyon sou teren an (pataj eksperyans) epi, 3) reyafime disponibilite Gwoup URD pou bay tout moun sa yo apui metodolojik lè li nesesè.

Gen yon twazyèm sesyon fòmasyon ki gen pou fèt nan mwa septanm nan (n ap gen pou endike dat la).

• Atelye travay nan kad etid sou Anviwònman ak Rekons triksyon Gen yon atelye travay ki gen pou fèt nan fen mwa out la sou premye etid ka a : Bristou & Boben. Se ap okazyon pou reyini yon gwoup moun konpetan ki gen bon jan lide sou sitiyasyon nan katye sa a nan rejyon metwopoliten an, epi plis toujou sou lyen ant Anviwònman ak Rekonstriksyon an.

• Yon nouvo adrès W ap jwenn biwo Gwoup URD kounyeya nan : 20, rue Casséus, Pacot (Pòtoprens).

Leson nou aprann

Èske metodoloji pou analize sitiyasyon alimantè ak ekonomik menaj yo apwopriye nan milye lavil ? Caroline BROUDIC, Jen 2012 Te gen anpil dokiman ki soti sou eksperyans pwogram transfè lajan yo apre seyis 12 janvye 2010 la. Kalte gwosè repons la, kontèks lavil la ak yon seri pratik tounèf te montre nesesite pou gen yon analiz, ak tèt frèt, sou pwen fò ak sou pwen fèb entèvansyon sa yo. Atik sa a abòde sa ki sanble pa t jwenn twòp atansyon nan peryòd apre seyis la, nou vle pale de mache alimantè ak non alimantè yo e pi plis ankò etid sou mache travay la.

Nan pwogram pou transfere lajan (distribisyon lajan ak koupon), dapre jan planifikasyon yo te fèt touswit apre seyis la, te genyen de gwo objektif: i) amelyore posiblite aksè ak pwodui premye nesesite pou viktim yo nan ede yo gen plis mwayen pou achte epi, ii) bay bourad ak ekonomi lokal la pa mwayen komès ant moun yo. Konsta ki te vle fè kwè mache yo t ap byen fonksyone epi pi gwo pwoblèm nan te plis lye ak diminisyon revni yo te pèmèt yo te pran byen vit desizyon pou ogmante kapasite acha fanmi ayisyen yo olye pou yo ta distribiye manje dirèkteman. Depi fen mwa mas 2010 la, distribisyon PAM (Pwogram Alimantè Mondyal) yo te kanpe pou

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 3

fasilite lansman gwo pwogram echanj lajan yo. Ò, menmsi te deja genyen yon seri modèl sou fason sa te konn fèt (CaLP1 ou Clusters), yo pa t pran twòp tan pou byen analize mache yo ak evalye konsekans entèvansyon yo, yo pa t menm fè sa nan nivo jeneral. Òganizasyon ki enplike nan aktivite transfè lajan yo te mete anplas yon seri sistèm pou swiv mache yo, men san yo pa t enskri aksyon yo nan yon kad lajmanlaj. Yo pa t etidye ase ekonomi menaj yo nan zòn metwopoliten an depi dènye ane sa yo. Alòs li difisil jounen jodiya pou nou konprann kesyon ki gen pou wè ak kapasite fanmi yo pou fè fas ak depans nan fanmi yo (manje, dlo, lwaye, lasante, ledikasyon, ...) ak pi plis toujou dinamik ki pèmèt yo soti nan lamizè. Yo pa t twò abòde mache travay ki pa pèmèt travayè yo reponn ak bezwen yo (mache nonkalifye), sa fè gen inyorans sou faktè vilnerabilite sosyoekonomik yo epi kèk fwa fasilite moun yo kreye ti dyòb pou tèt yo san yon veritab antreprenarya. Sa ki pou wè ak nesesite pou gen bon jan analiz mache yo: Gen anpil metodoloji pou analize mache yo nan sitiyasyon ijans ki te parèt nan dènye ane sa yo, pami yo EMMA (Emergency Market Mapping and Analysis). Ak metòd sila a, li posib pou yo te jwenn byen vit, lè yon kriz parèt, foto sitiyasyon an pou detèmine diferan chwa ki posib ak sa ki pa posib yo. Li pa ka separe de ankèt yo fè sou fanmi yo tankou EFSA (Emergency Food Security Assessment). Yo te mennen de kalte ankèt sa yo nan peyi Ayiti anviwon twa semenn apre seyis la. Nan sans sa a yo te etidye kat filyè nan kad EMMA a: diri, pwa, tòl ak mache travay nan sektè konstriksyon an. Prensipal fòs etid sa a sanble se te popilarite li, granmesi patisipasyon onz òganizasyon entènasyonal ak rezilta yo ki te pibliye byen vit. De faktè sa yo sanble pa t kontribye, nan yon sans, pou oryante repons imanitè a sou yon seri pwogram lajan pase pou yo te bay manje dirèkteman ak tou sou ranfòsman yon seri aktivite ekonomik. Se vre tou li te ede redui diferans ki genyen nan fason yo abòde katye/kan nan repons yo te pwopoze yo, lè nou konsidere de kategori sa yo te fè pati yon menm espas sosyoekonomik. Men, limit egzèsis la parèt lè nou konnen se yon foto reyalite a nan yon tan t, nan yon kontèks ki ap chanje toutan paske se nan yon kriz. Demach ki vle fòk gen idantifikasyon koup yo (breakdown) nan filyè yo te etidye yo enteresan men kapab rapidman pa vin gen anpil enpòtans ankò. Paske yo pa apiye yo sou yon seri endikatè, kit kantitatif oubyen

1 Cash Leaning Partnership

kalitatif, p ap pèmèt yo asire yon suivi evolisyon sitiyasyon an sou mache yo epi mezire konsekans entèvansyon ki monte sou distribisyon lajan ak lòt ki pa monte sou distribisyon lajan nan mache sa yo. Apwòch sou baz filyè yo pa pèmèt yon lòt bò yo etidye konsekans ki ka genyen lè yo ranplase pwodui yo ak tou lè yo konplete mache a. Yon seri lòt etid nan lòt kontèks te rive montre yon diminisyon nan pouvwa acha menaj yo te genyen dirèkteman, konsekans sou konsomasyon yon seri pwodui alimantè. Ou ta ka di, si pri sereyal yo monte, konsekans lan ap parèt plis sou demann vyann oubyen legim/fwi pase sou sereyal yo, yomenm. Konsekans yo ap plis manifeste nan yon rediksyon nan konsomasyon mikwonitriman nan kò a pase nan kantite kalori moun yo konsome. Etid sou korelasyon ant pri yon pwodui espesifik ak konsomasyon yon lòt pwodui pèmèt yon pi bon konpreyansyon ris sou kalite nitrisyonèl manje yo anrapò ak yon ogmantasyon pri sereyal yo osnon diminisyon revni menaj yo. E, li pi enteresan ankò pou n obsève degre korelasyon sa yo tan nou ap pran ankont gwoup sosyoekonomik yo. Apwòch sou baz filyè yo kapab mete yon maj erè nan analiz la pou abouti ak yon seri move rekòmandasyon, ki ka menm pa adapte. Nan sans sa a, analiz filyè diri a, pa egzanp, te pèmèt yo idantifye yon kanpe nan apwovizyònman pou pwodui sa a men pa pèmèt nou konprann konsekans sou estrateji konsomasyon menaj yo. Epi, pi plis toujou, nan ka diri a, Gouvènman an te mande byen vit pou kanpe sou distribisyon an nati sou baz lide ris pou febli pwodiksyon agrikòl nasyonal la epi destabilizasyon mache a. Epoutan, 80% enpòtasyon diri yo konsome nan peyi a soti nan peyi Etazini, pousantaj sa a pi wo toujou nan zòn metwopoliten an epi depann de peryòd ki konsène a2. Yon analiz pi global mache yo ka petèt pèmèt yo evalye si sekirite apò nan sereyal ki fèt nan distribisyon osnon koupon yo pa t ka pèmèt senpman yo oryante konsomasyon an sou yon seri pwodui konplemantè, prensipalman lokal. Si pa gen okenn dout enpòtatè yo te benefisye kanpe sou distribisyon alimantè dirèk yo, pa gen okenn analiz ki pwouve chwa sa a te genyen yon enpak pozitif sou ekonomi lokal la, pi piti toujou agrikilti nasyonal la. Lide sa yo gen sèlman valè ipotèz ou ta ka di se yon seri refleksyon kote sèl yon seri analiz apwofondi

2 Diri Ayisyen an soti prensipalman nan plenn Latibonit kote

rekòt avril la se rekòt mèg, sa ki pi enpòtan an se nan mwa oktòb.

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 4

mele ak yon etid konpòtman konsomatè ak komèsan yo ta ka valide osnon envalide. EMMA a ta ka – te dwe – alòs ideyalman benefisye yon pi bon suivi ak ranfòsman granmesi yon apwòch ki ka pèmèt yo pi byen sènen konpleksite yo ak poze endikatè nesesè pa sèlman pou suivi ak evolisyon kontèks la, men tou endispansab pou suivi ak evalyasyon efè/enpak entèvansyon yo. Li t ap, nan sans sa a, yon premye etap ki t ap gen pou objectif anmenmtan mete aklè konsekans chòk la sou yon filyè espesifik epi kadre aks rechèch yo pou yon analiz nan nannan koze a. Ou ta ka di, ni EMMA ni EFSA pa gen vokasyon tounen apwòch apwofondi. Li dayè esansyèl pou enplike nan kè aksyon yo CNSA (Coordination Nationale de la Sécurité Alimantaire) ki asire depi plizyè lane yon relve ak yon analiz pri yo sou mache yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak nan kèk lòt rejyon. Etidye mache travay nonkalifye a nan peyi Ayiti : Nan ka espesifik peyi Ayiti, yon seri etid ponktyèl sou evolisyon mache travay nonkalifye depi seyis la ta sanble pèmèt yo pi byen konprann evolisyon sitiyasyon ekonomik popilasyon yo ak deplasman yo epi konfime/enfime si plis pase de lane apre katastwòf sa a, viv nan yon kan se vrèman yon kritè vilnerabilite ekonomik. Men, mennen etid sa a genyen jounen jodiya yon enterè reyèl. Nan yon kontèks kote pwosesis rekonstriksyon ki anonse a ta dwe fasilite kreyasyon yon pakèt anplwa poko demare epi kote kantite òganizasyon entènasyonal yo ap diminye anpil, li posib pou mache travay nonkalifye a ta ka limenm afekte ak yon konpresyon aktivite ekonomik yo (bès pouvwa acha yo, mwens demand sòlvab ...). Konsiderasyon sila a parèt pi enpòtan toujou lè nou konnen demaraj gwo chantye rekonstriksyon yo pa sanble pou demen. Politik Nasyonal Lojman, Abita ak Dvlopman Iben jan yo prezante li nan vèsyon 30 avril 2012 la tabli se fanmi yo yomenm ki ap gen pou rekonstwi kay yo. Kidonk, leta p ap angaje li sou gran travay rekonstriksyon sòf batiman piblik, prensipalman administratif. Vid retrè òganizasyon entènasyonal yo ap kreye a ta sanble p ap konble ak sektè piblik la ni sektè prive a, sa ki ka pwovoke yon seri efè youn marye ak lòt sou aktivite ekonomik yo tankou sektè sèvis yo. Yon lòt faktè ki ka afekte mache travay nonkalifye a mare ak fèmti kan yo. Sila yo, jan nou sot di li anwo a, antre nan kad espas ekonomik zòn metropoliten an. Nan sans sa a, yon pakèt aktivite (komès, restorasyon, kwafè, lotri ...) te devlope nan kan yo oubyen toupre yo. Pwogram

relokalizasyon yo pran kèk fwa ankont aspè sa a lè yo soutni relans aktivite ekonomik nan katye kote moun nan al viv la, men sa pa sanble fèt toutan ni tou pa sanble ap pote bon jan rezilta. Lè moun yo kreye ti dyòb pou kont yo sa kreye anplis yon mache men tou yon rezo, sila a te gentan kraze nan moman yo ap vide kan yo. Etid sou mache travay nonkalifye a ta ka pote tou yon atansyon patikilye sou pratik mikwokredi ak wòl kreyatè anplwa yo genyen. Te gen anpil inisyativ konsa ki te miltipliye apre seyis la epi yo te enskri yo nan repons ak lojik Leta ki kite tout moun fè sa yo pi pito pase pou, jan nou te di li a, li ta antre nan kad pwojè rekonstriksyon an. Menm jan fanmi yo jwenn ankourajman pou yo lanse yo nan konstriksyon yo yomenm, yo jwenn ankourajman nan sans sa a pou kreye pwòp anplwa yo – ak gwo ris pou rete sentre nan lamizè. Etid sou mache travay nonkalifye a ta vize alòs yon seri objektif: i) elabore yon seri zouti ki ka pèmèt entegrasyon mache travay nonkalifye a nan analiz sekirite alimantè menaj yo, ii) devlope yon griy analiz ki ap pèmèt yo entegre dinamik espasyal ak tanporèl yo (anpatikilye migrasyon anwon e ki lye ak sezon) epi, iii) idantifye yon seri kritè pou mezire prekarite sosyal ak ekonomik yo. Objektif espesifik yo ta ka sa yo: • Elabore yon pwofil ekonomi menaj yo nan zòn

etid la ap etann li an (tan l ap diferansye milye iben ak milye riral).

• Etabli yon tipoloji anplwa yo pou mendèv nonkalifye epi etidye ak ki peryòd nan ane a yo koresponn.

• Analize faktè ki detèmine kou salè anplwa nonkalifye ak tou chanjman ki suiv yo apre chòk yo.

• Analize wòl amplwa nonkalifye yo jwe nan ekonomi menaj yo nan milye iben ak riral.

• Defini pwofil migran ekonomik ak travayè nonkalifye (jounalye oubyen otoanplwa).

• Analize enpòtans lyen sosyal yo nan kapasite menaj yo pou divèsifye sous revni yo epi etidye dinamik entra-iben epitou ant vil yo ak milye riral la.

• Etidye si kesyon diferans ant fi ak gason an ta ka yon faktè ki enfliyanse mache travay la nan tèm ‘kalite’ anplwa tankou salè.

Rezilta etid la ta dwe pèmèt idantifikasyon endikatè suivi mache travay nonkalifye a epi elabore yon metodoloji pou kolekte ak analize

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 5

done yo. Enfòmasyon sa yo ta ka entegre nan analiz mache alimantè yo epi ta bay nan sans sa a yon pi bon konpreyansyon kesyon ki gen pou wè ak posiblite pou jwenn menaj yo, sa vle di kapasite yo pou yo bay tèt yo yon alimantasyon ekilibre. Etid sa a ta dwe pèmèt amelyorasyon nan fè pi bon chwa pou entèvansyon pou bay lajan yo (tankou pwogram pwoteksyon sosyal) e menm, pou adapte kalandriye aktivite yo anfonksyon òf pou anplwa ki disponib yo (limite ris konpetisyon ak anplwa ki deja egziste yo). Konklizyon: Analiz mwayen egzistans yo an Ayiti, tankou nan anpil lòt peyi, apiye li plis sou griy lekti ki monte sou disponibilite ak aksesibilite alimantè epi yon tikras pi piti fwa sa a sou kesyon ki lye ak revni epi estrateji depans yo. Ò, ekonomi familyal ayisyen an, nan vil yo epi nan yon sans nan milye riral yo baze anpil sou tranzaksyon lajan. Ankèt CNSA mennen yo pran ankont aspè ki antre nan kad revni menaj yo ak depans yo tou epi ofri yon fotografi sitiyasyon an. Men, ankèt kantitatif sa yo ta ka konplete ak yon seri analiz kalitatif ki mete aksan sou dinamik rezo e, pi jeneralman, sou konpleksite konpòtman aktè yo. Yo ta ka enspire yo, anplis lòt metodoloji, de apwòch HEA (Household Economy Approach) jan li te fèt nan lane 2009 nan zòn metwopoliten an, sa vle di yon seri apwòch fasil pou aplike epi alòs selon peryòd ki pi adapte ak bezwen analiz la. Nan ka yon kriz ak anplè sa ki te pase an 2010 la, analiz sa yo ta ka petèt, yon lòt bò, pèmèt yo ogmante sou lejitimite distenksyon faz yo (ijans-tranzisyon-rekonstriksyon), lè nou konsidere sila yo pa t ajanse youn dèyè lòt. Li parèt pa twò posib pou ijans lan fini epi alòs nesesite pou yon

asistans dirèk koresponn ak menm peryòd pou tout kategori popilasyon yo. Poutan, menmsi kesyon an parèt evidan, li pa sanble jwenn repons jodiya, kote tout moun admèt asistans dirèk la pa ka dire, san poutan yon konpreyansyon sitiyasyon ekonomik lan pa pataje. Yon apwòch ki klase “menaj ki ap viv nan kan yo ak menaj ki ap viv andeyò kan yo” ta ka pote yon seri eleman pou yon analiz pi fen sou pwofil moun ki toujou ap viv nan kan yo de lane edmi apre seyis la. Li ta ka petèt pèmèt yo fè fas ak pwosesis ki la kounyeya pou maske kan yo, pwosesis fizik nan sipresyon kan ki sitiye sou plas piblik, ak mantal lè moun yo kache tèt yo yomenm de lane apre seyis la. Kan yo pa gen lejitimite ankò, men nonplis pwosesis sosyal ki ap devlove yon diskou negatif sou moun ki kontinye ap viv nan kan yo (yo fè konprann moun sa yo ap pwofite sitiyasyon an oubyen yo echwe).

Bibliyografi • Alesh BROWN, « EMMA’s diagnostic process and

its impact on Humanitarian response-logic », MSc Humanitarian Programme Management, 2010.

• Carol BRADY, « An Emergency Market Mapping and Analysis study: Changing responses to the Haiti earthquake », January 2012.

• Emergency Market Mapping and Analysis, http://emma-toolkit.org

• USAID, « An assessment of food and livelihood security in Port-au-Prince », May 2009.

Evalye èd imanitè nan peyi Ayiti nan nivo rezilyans : premye leson metodolojik. Caroline BROUDIC, jen 2012

Inivèsite Leta Ayiti ak Inivèsite Tulane (Etazini) te devlope yon metodoloji pou evalye èd imanitè sou baz sèt kritè rezilyans. Se te nan bi pou evalye rezilyans menaj yo epi mezire efè èd imanitè a sou rezilyans sa a. Pi lwen demach sa a gen objektif pou apwofondi zouti metodolojik yo epi entegre yo yon fason pi sistematik nan evalyasyon nan peyi a.

Rapò « Evalyasyon èd imanitè nan Ayiti sou ang rezilyans » prezante rezilta yon seri rechèch Disaster Resilience Leadership Academy (DRLA), ki baze li nan inivèsite Tulane (Etazini), ak Inivèsite Leta Ayiti. Demach la baze sou prensip ki di « èd imanitè ap efikas sèlman si li gen de objektif : nan menm moman kriz la, evite gen plis ka lanmò ak soufrans ; epi, sou tan ki pi long, amelyore kapasite kominote lokal yo nan bi pou pèmèt yo reponn ak nenpòt lòt destabilizasyon ki ta vini ». Rapò a sitou la pou idantifye ak analize

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 6

kritè rezilyans epi pou mezire efè èd imanitè a sou rezilyans ki soti ladan an. Prensipal rezilta evalyasyon an : Rezilyans lan se yon konsèp ki pa parèt twò lontan nan domèn imanitè a, men yo fè referans ak li anpil depi tranblemantè 12 janvye 2010 la. Yo itilize nosyon sa a kounyeya nan anpil disiplin (sikoloji, ekonomi, anviwònman, sante …), sa ki mande pou gen presizyon sou kontni li. Etid sa a apiye li sou definisyon sa a pou rezilyans : « Rezilyans se kapasite yon kominote ki viktim nan yon sinis genyen pou li òganize li, pou li pran leson nan konsekans katastwòf la epi pou li travèse yo nan sans pou li ranfòse tèt li ». Ekip DRLA/UEH la te kenbe 7 kritè pou defini rezilyans menaj yo : 1) Nivo resous, 2) Dèt ak prè, 3) Konpòtman pou adaptasyon, 4) Kapital imen, 5) Rezo kominotè, 6) Pwoteksyon ak sekirite, 7) Sikososyal. Etid sa a te chita sou twa kategori ki pèmèt konparezon ant menaj ki ap viv nan kan yo, sila yo ki abite deyò kan nan zòn seyis la touche yo ak lòt yo ki pa nan zòn nan menm. Nan sa ki gen pou wè ak zòn seyis la afekte dirèkteman yo, eskò pou diferan kritè sa yo pi piti pou menaj ki ap viv nan kan yo pase pou sila yo ki ap viv deyò, apa rezo kominotè yo ak kapital imen3. Li ta sanble nan sans sa a deplase ki ap viv nan kan yo gen tan entegre yo nan rezo kominotè (asosyasyon/òganizasyon). Rezilta sa a petèt plis montre yon pèsepsyon pase yon reyalite. Konsa, paske yon moun al enstale li nan yon anviwònman kote fòm ensekirite yo (fizik, sanitè, alimantè …) ogmante anpil, genyen chans pou l devlope lòt fòm lyen sosyal. Alòs li posib pou sitiyasyon an te pi bon pou moun ki nan kan yo paske gen rezo kominotè, petèt yo ta kapab jwenn benefis dirèk ak imedya rezo kominotè sa yo. Anplis, te gen estrikti (komite, asosyasyon …) ki te vin monte byen vit nan kan yo pou distribiye èd imanitè a. Kritè ki prezante eka ki pi enpòtan ant menaj ki ap viv nan kan yo ak sila ki deyò kan yo se sa ki konsène sante sikososyal la. Estrès ki makònen ak kondisyon nan kan yo sanble montre « efè seyis la sou sante ayisyen yo pa limite li ak twomatis ki soti nan dezas la limenm. Ijans sikososyal la dire, ou ta di agrave ankò jodiya, pi plis toujou, pami moun k ap viv nan kan yo ». Li enpòtan pou yo chita sou rezilta sa a nan kontèks ki gen kounyeya kote gen jefò ki ap fèt anba anba pou pa gen distenksyon ant kan yo ak katye yo.

3 Nivo ledikasyon ak konpetans pwofesyonèl nan menaj yo.

Apresa, etid sa a eseye eksplore, yon bò, fason moun yo poze kesyon èd imanitè a epi yon lòt bò, efè èd la sou diferan kritè rezilyans lan. Yo rive sou konklizyon « premye èd yo reponn ak defi pote sekou bay moun yo, men efò ki vin apre yo pa jwenn menm siksè a lè li ta dwe asire rezilyans rekonstriksyon an ». Prensipal kritik nan rapò a montre èd imanitè a pa pèmèt ranfòsman rezilyans menaj yo, yo pa t bay twòp enpòtans ak bezwen ki depase ijans lan epi sila ki la pou lontan yo. Rekòmandasyon ki soti nan konsta sa a endike pou ta gen anpil atansyon sou efè dirab yo depi nan faz ijans lan : « [ ] èd imanitè a dwe fikse li sou yon pèspektiv ki ale pi lwen pase sekou ak soutyen pou viktim yo, pou yo pi byen pran ankont rasin pwofon vilnerabilite a : kit li se povrete ki la toutan, inegalite sosyal ak degradasyon anviwònman an, ets. ». Etid la fè rekòmandasyon ki gen pou wè ak metodoloji pou kritè rezilyans yo ka entegre nan yon pwosesis evalyasyon ki ap kontinye : « Li se yon obligasyon pou nou chache gen bon jan konesans nan bi pou konprann ak bay chif sou kòman rezo kominotè yo afekte rezilyans lan epi makònay ki genyen ant dimansyon sa a ak lòt faktè rezilyans yo. Fòk nou tou byen prepare endikatè syantifik yo nan nivo kominote yo epi rann yo pi operatwa. Pou fini, li ta sanble ap bon si yo ta chwazi epi evalye toutan kèk endikatè alèt, ki soti nan ‘estrikti rezilyans lan’ yo sot pwopoze la a ». Diskisyon : Evalyasyon sa a fè parèt aklè yon seri eleman enpòtan nan fon an tankou nan nivo metodolojik. Li pote yon seri zouti tounèf pou analize anmenmtan sitiyasyon menaj yo epitou efè èd imanitè a. Yon apwòch sou baz rezilyans parèt pi konplè epi li pèmèt yo pa redui analiz la senpman sou bezwen sikolojik yo. Sou pwen sa a li antre deja nan yon seri aspè estriktirèl epi nan yon pèspektiv k ap dire piplis etan l ap entegre yon kontèks ki pi byen defini. Sa se apwòch « Do no harm » lan ki se yon prensip ki jwenn anpil lodyans pami òganizasyon imanitè yo, epi dilèm sa a limenm makònen ak kesyon èd imanitè a. Kidonk se pa sèlman nan yon pèspektiv pou yon tibout tan ki pa ta vize demen, men nan yon analiz nan tan reyèl sou sitiyasyon an epi yon seri opsyon ki pi reyalis pou diminye ris pou yon tibout tan , men nan yon kad analiz pi laj. Ta sanble se vre reyalite teren yo ka demanti prensip yo epi diferans ki genyen ant aktè yo ka mete nan yon konfizyon, ou ta di menm ka rann inefikas, tout aksyon an oubyen yon pati ladan. Premye pwoblèm nan gen pou wè ak sa nou rele « èd imanitè » a, ki anglobe yon seri reyalite tèlman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 7

gaye jouk li rive pèdi sans li, epi li montre obligasyon pou gen nyans nan analiz yo. Yo te estime kantite « aktè imanitè » yo rive plis pase 10004 depi nan premye jou yo apre seyis la, pami sila yo te genyen tou Sean Penn, menm jan te genyen divès lòt sèk, men tou kèk òganizasyon imanitè pwofesyonèl : « Aktè imanitè yo te gen ladan yo yon seri òganizasyon miltilateral ak bilateral tradisyonèl, yon seri òganizasyon non-gouvènmantal ki pa menm gwosè, san konte plizyè lòt moun ki soti nan lemonn antye ». Alòs, èske responsablite yo dwe tonbe sou èd imanitè a, oubyen èske pwoblèm nan pa plis makònnen ak kalite èd la ki mele lakòz kantite ak divèsite aktè yo ? Evalyasyon an mete devan tou « nan yon nivo nasyonal, 63% moun yo te poze kesyon yo kwè pi gwo priyorite pou rekonstriksyon an chita nan kreye anplwa dirab ». Se vre apre seyis la, anpil moun t ap chache pito yon travay dirab, paske travay dirab la pèmèt moun nan pa oblije konte sou asistans imanitè ankò. Kèk nan òganizasyon imanitè yo nan sans sa a, depi nan premye semèn yo, te entegre yon seri aktivite ki te ankouraje anplwa. Preyokipasyon lejitim sa a te jwenn anpil atansyon bò kote « èd imanitè » a. Men fòk nou remete nou kounyeya nan kontèks anvan seyis la kidonk sou yon analiz pwoblèm estriktirèl yo. Reyalite a nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, to chomay la te wo anpil (nan nivo nasyonal, 35% popilasyon ekonomikman aktif la) epi yon pwosesis enfòmèl ki ap ranfòse depi plizyè deseni (81% aktif yo ap fonksyone nan yon etablisman prive enfòmèl nan Pòtoprens). « Nan milye iben yo [nou vle pale sitou rejyon metwopoliten an], egzistans ansanm tout yon ansanm aktivite fèb, yon seri to chomay ouvè ki wo ak yon enfòmalizasyon prèske total anplwa a poze pi klè chak jou pwoblèm kapasite absòbsyon ‘sektè enfòmèl’ la. Kesyon kalite anplwa ki kreye yo ak sa ki ka kreye yo, prensipalman nan sa ki gen pou wè ak revni yo, rete ouvè. Ekstansyon anplwa sektè enfòmèl la ak konsantrasyon li sou komès la antre nan yon seri lojik pou lonje sikui pou fè komès nan yon kontèks kote kreyasyon richès la pa reprezante anyen devan kwasans demografik la. Pou pi klè, ou genyen yon revni ki pi fèb si li soti nan yon gato pi piti ki pa gwosi twò vit5 ». Preyokipasyon 4 Fòk nou note chif sa a gen dwa pa yon reyalite, paske pat

gen okenn resansman ki te presize aklè nonb « aktè imanitè yo » nan faz ijans lan. Nonb ONG ki nan lis ofisyèl rive jodi a ak 595 dapre gouvènman an.

5 IHSI : Ankèt sou anplwa ak ekonomi enfòmèl la – jiyè

2010 ; Done 2007.

pou jwenn yon anplwa dirab te la anvan katastwòf 12 janvye a. Pati sou sa, menm si atant viktim yo toutafè lejitim, fòk nou montre yo prensip reyalite a ki fè èd imanitè a pa ka kreye pou kont li anpil anplwa dirab. Sa yo ta ka – ta dwe – kreye nan reyalizasyon gwo travay rekonstriksyon kay ak enfrastrikti ekonomik, men envestisman sa yo pako kòmanse. Plan Aksyon pou Relèvman Nasyonal Ayiti (PARDNH) te fikse tèt li nan lane 2010 la youn nan objektif sa yo : « Prensipal objektif Gouvènman an se ta kreye anplwa ak revni byen vit, epi nan menm tan an fòmile ak planifye politik aktif pou kreyasyon nouvo anplwa k ap dire lontan ». Li ta sanble de(2) lane edmi apre seyis la, yo pa janm rezoud kesyon anplwa dirab sa a – sa ki pa siprann pèsonn – e pati sou sa, yo pa ka bay èd imanitè a pote tout po kase a. Li enteresan pou nou note, yon lòt bò, objektif èd imanitè a diferan nan entwodiksyon ak nan konklizyon rapò a. Nou ka di, doub objektif yo fòmile nan kòmansman an se te : « èd imanitè a ap efikas sèlman si li bay tèt li de objektif sa yo : nan menm moman kriz la, evite ankò plis ka lanmò ak soufrans ; epi, sou tan ki pi long, amelyore kapasite lokal yo pou yo ka reponn ak tout sòt destabilizasyon ki ka vini », alòske nan konklizyon an li tounen « [ ] jwenn asirans entèvansyon imanitè yo ranpli de objektif : anpeche yon fason efikas ewozyon kapital la ak ogmantasyon vilnerabilite popilasyon yo ; epi amelyore kapasite lokal yo ». Chanjman objektif yo nan dewoulman rapò a enteresan anpil nan sans kote li poze yon kesyon santral sou imanitè a ki gen pou wè ak tan : selon nivo ris popilasyon an ap fè fas yo parèt, sa vle di selon degre ijans lan pou « evite ankò plis ka lanmò ak soufrans », tip entèvansyon yo ap diferan menm jan tou ak mòd operatwa yo konsa, menm si prensip « Do no harm » nan ta ladan li. Kidonk, èd imanitè a pa yon sèl, men li varye selon moman kriz la, kalite ak manda aktè yo epi tou, fòk nou di sa, sitiyasyon ki egziste anvan katastwòf la. Konklizyon : Analiz pa mwayen kritè rezilyans sa yo pote yon ekleraj enteresan epi tounèf. Rekòmandasyon final rapò a montre obligasyon pou metodoloji yo ta ranfòse : « li se yon obligasyon pou nou konble anvan tout bagay lakin konesans nou yo pou nou ka pi byen konprann ak bay chif sou kijan rezo kominotè yo afekte rezilyans lan ak ki lyen ki genyen ant dimansyon sa a ak lòt faktè rezilyans yo6. Fòk nou byen prepare endikatè syantifik yo

6 Fòk nou note Obsèvatwa URD Haïti a te tanmen yon etid

sou apwòch kominotè (http : //www.urd.org/haïti).

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 8

nan nivo kominote yo epi rann yo plis operatwa. Pou fini, li ta sanble ap bon si yo ta chwazi epi evalye toutan kèk endikatè alèt, apati ‘estrikti rezilyans lan’ ki pwopoze la a7 » . Nan bi pou evite kontradiksyon pa itil ant « imanitè » ak « devlopman », epi diskou ki pa twò solid kont ONG yo (òganizasyon non-gouvènmantal yo), li t ap enpòtan pou nou ta kalifye reyalite chak mo genyen pou pi bon klarifikasyon sou sa nou ap repete.

Bibliyografi • Haïti PDNA, « Evaluation des dommages, des

pertes et des besoins généraux et sectoriels », 2010

• Haïti IHSI (Institut Haïtien de Statistique et d’Informatique), « Enquête sur l’emploi et l’économie informelle », Juillet 2010 (données 2007)

Pou nou jwenn plis detay sou sijè sa a : :

• DRLA et UEH, « Évaluation de l’aide humanitaire

en Haïti sous l’angle de la résilience », Mai 2012.

7 Fòk nou note tou kèk endikatè nan metòd COMPAS

Groupe URD devlope (« Tan n ape vite kritik ») ki ka ranfòse apwòch sa a sou lang rezilyans.

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 9

Katye Bristou ak Boben fas ak desten yo (Ant ijans lan e rekonstriksyon an) Richener NOEL, jen 2012

Bristou ak Boben se de pami katye nan rejyon metwopoliten an ki te konnen yon gwo boulvèsman apre seyis 12 janvye 2010 la. Anvan seyis la, de katye sa yo t ap viv, se vre, yon sitiyasyon lamizè, men lavi a te sanble « nòmal », san twòp tansyon ant moun yo ; popilasyon an pa t sibi vyolans ki lye ak aksyon gang yo, ak efè twoub politik dènye lane yo, kontrèman ak jan sa te konn fèt nan kèk lòt katye popilè. Ak plis pase 35% kay ki pran frap, anviwon 40% nan abitan yo te vin gaye nan 15 kan. Jodiya, plis pase de lane apre, bilan repons imanitè ki te swiv la sanble pozitif, prensipalman nan aksyon « Architectes de l’urgence » ak « Solidarités International », yo menm ki te reyalize yon dokiman ki rele « Pwofil katye Bristou ak Bobin » ki sèvi pou reyalize atik sa a. Men dezangajman aktè etranje yo mete sou tab la yon seri pwoblèm ki rete san solisyon. Sa ki pi difisil, moun yo pa t janm genyen nonplis kalite enkyetid sa yo sou avni yo. Atik sa a fèt nan kad pou anonse rechèch « Anviwònman ak rekonstriksyon nan rejyon metwopoliten Pòtoprens lan » Groupe-URD ap gen pou reyalize. Bristou ak Boben : yon ansanm katye/kan ak envansyon yon gouvènans kominotè Katye Bristou ak Boben twouve yo nan nòdès sant Péyonvil, ou ka jwenn yo prensipalman si w pase pa Pegivil. Yo pote de non diferan, men yo sitiye youn akote lòt, yo gen prèske menm pase epi menm reyalite sosyal. Anjeneral, yo konn fè de non yo tounen yon sèl non konpoze Bristou-Boben oswa Bristou & Boben. Sou plan espasyal, de katye yo, 15 ekta sifas8, gen limit yo byen trase ak pi gwo ravin nan zòn nan ki rele Ravin-Bristou, nan nò ak lwès, ki sèvi kloti. Nan pati lès ak sid, limit yo pa tèlman vizib, men gwo mi ki pwoteje bèl vila toupre yo pèmèt nou sezi yon fwontyè ki byen trase nan nivo sosyal, ki fè dapre nou katye/kan Bristou-Boben an idantifye l yon fason espesifik ak bidonvil li fòme a. Moun ki ap

8 Done nou itilize nan dokman sa a soti nan « Pwofil katye

Bristou ak Boben », Architecte de l’Urgence et Solidarites International, avril 2011. Gen kèk responsab kominotè ki bannou bonjan enfòmasyon tou

viv nan katye sa yo ta sanble nan menm kondisyon : yon pòtre banlye ki fèt ak yon bann kay mizerab ak yon seri kan ki fèt san aranjman kote yon bann moun ap viv nan yon mizè byen klè, byen vizib. Katye sa yo gen anviwon 4, 750 fanmi (plis pase 20 000 abitan), pami yo 40% te blije vin viv nan kan apre seyis 12 janvye 2010 la. Pa t gen twòp viktim (si nou fè konparezon ak lòt katye, pou nou byen di) ; anviwon 20 ka lanmò ak yon santèn blese, dapre yon responsab òganizasyon kominotè. Nan yon kontèks kote aktè èd yo prale, deplase yo ta dwe pi vilnerab ak efè negatif chòk sosyoekonomik katastwòf la koze. Sitiyasyon abitan sa yo ta dwe ankò pi di lè se moun ki nan sitiyasyon andikap fizik, òfelen, fanm ansent, fanm ki chèf fanmi ak moun ki soufri maladi dirab (VIH/SIDA, kansè, dyabèt, ets.). Responsab kan sa a pa anmezi pou kounyeya pou evalye ak presizyon nivo vilnerablite ka espesifik sa yo. Yo dakò etid ki ta gen pou fèt alavni ta dwe fè wè efè reyèl èd imanitè a sou lavi kategori sa yo, epi konpare ak yon seri endikatè klè kondisyon sosyoekonomik yo ant de peryòd sa yo : avan ak apre seyis la. Bristou-Boben gen menm karakteristik ak katye enfòmèl pòv oubyen ki fèt san planifikasyon nan Pòtoprens yo. Sa vle di anvan menm seyis la, moun yo t ap fè fas ak anpil kontrent, sitou sa ki makònnen ak salte, tout kalite mank, absans oubyen move sèvis leta bay epitou konstriksyon mizerab. Seyis la vin sèlman konplike sitiyasyon an. Nan yon senp koutje, ou ka wè kay yo konstwi san okenn prensip epitou sou pant ki pa ka sipòte konstriksyon yo, sa ki esplike gwosè dega materyèl yo nan seyis la. Apa kay ki tonbe nèt yo (nou pa gen chif sa a), 15% pou san nan sa ki rete yo te dwe kraze (make ak koulè wouj), 20% te sibi domaj nan yon pati epi te bezwen reparasyon oswa ranfòsman (make ak koulè jòn), 40% te byen reziste e moun ta ka antre ladan yo san pwoblèm (make ak koulè vèt), epi plis pase 20% pa t sibi evalyasyon Ministè Travay Piblik. Transpò ak Kominikasyon (TPTC)9. Yon lane apre seyis la, fevriye 2011, plis pase 60% kay yo

9 Chif sa yo se done segondè, ki soti nan ankèt « Solidarités

International ak Architectes de l’Urgence » bò kote fanmi yo, se pa kay yo nou te konte.

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 10

pa t gentan touche nan pwosesis reparasyon an. Nan plis pase 30% ka yo, se fanmi yo, yomenm ki t ap travay pou rekonstwi lojman pa yo. Pou kounyeya, yo pa aktyalize enfòmasyon yo, pa gen enfòmasyon sou kantite kay ki repare, ni ak ki mwayen yo finanse reparasyon sa yo. Men, enfòmatè yo fè konprann gen yon gwo dinamik otorekonstriksyon nan katye sa yo. Bristou ak Bobin fè pati katye sa yo nan Pòtoprens ki jwenn sèvis nan men otorite lakomin ak sila ki nan leta yo. Pou nou di plis, sèl eli, delege vil , ki reprezante katye nan asanble minisipal la, pa genyen yon wòl administratif, men pito konsiltatif bò kote Meri yo. Epoutan, meri a limenm pa t ka reponn ak bezwen abitan yo. Kidonk gouvènans lan te plis kominotè, pa mwayen yon seri òganizasyon. Pami yo, nou jwenn : Komite pou devlopman kominotè Bristou (CODCOB), Inyon Tèt ansanm pou Devlopman Boben, Mouvman Jèn Ini pou Devlopman Petyonvilwa yo (MOJUB). Apre seyis la, yon lòt estrikti-platfòm te vin parèt, li te gen ladan komite diferan kan yo. Estrikti sa a ki pote non Komite Kowòdinasyon Jeneral Bristou-Boben (CCGBB) te ranfòse epi te tounen prensipal kanal pou distribisyon èd imanitè nan katye ak kan yo. Kounyeya, li ranfòse tèt li ak sipò Sant Resous Kominotè a (CRC) ki fenk fèt. CCGBB jwe yon wòl entèlokitè ak fasilitatè bò kote entèvenan yo nan de katye yo. Nan sa l rive fè, li te batay pou reyalize yon bann travay pou byen kominote a, tankou betonay kèk ri, mete anplas lanpadè solèy, òganizasyon aktivite kiltirèl ak espòtif, jesyon tèren espòtif la, ets. Nou ka di gen yon gwo dinamik kominotè nan Bristou-Bobin. Komite Kowòdinasyon an gen pwojè pou lanse yon lòt resansman pou l ka genyen bon jan done sou sitiyasyon ak kantite moun ki ap viv nan kan yo. Pou nou di plis, depi seyis la, gen yon dinamik migratwa nan katye ak kan Bristou yo. Anpil moun, pami yo, yon seri ki te jwenn èd pou repare kay yo ak yon lòt seri ki te òganize tèt yo poukont yo, te kite kan yo ; nan menm tan an lòt moun ki te kite kan nan Petyonvil ak nan zòn metwopoliten an fè mouvman kontrè a, lè yo vin enstale yo nan kan sa yo. Ta sanble tou gen lòt moun pòv ki pa t viktim nan seyis la ki ta vin abrite yo nan kan sa yo tou. Antre soti sa yo rann travay konte moun ki ap viv nan kan sa yo difisil anpil10 .

10 Yo te fè menm konsta sa yo nan lòt sitiyasyon nan

Pòtoprens : « Si l’on regarde à l’intérieur de l’espace-camp, on observe une réalité fluide, caractérisée par les « migrations » des déplacés, pas seulement d’un camp à l’autre en cas d’éviction, mais entre les camps et la

Fòk nou di pwojè relokalizasyon ki ap fèt kounyeya nan rejyon metwopoliten an pako touche katye/kan Bristou-Boben an. Pou kounyeya, rete ankò yon douzèn ti piti ak mwayèn kan (ant 50 ak 400 fanmi), epi sila ki fèmen yo se ak granmesi efò deplase yo, yomenm. « Pwosesis pou relokalize fanmi yo pako touche Bristou-Boben. Nou pa anmezi nonplis pou nou di si yo ap vin touche katye a. » Enfòmatè yo pale sou yon sipò Biwo Nasyonzini pou Sèvis k ap Apiye Pwojè (UNOPS) bay nan reparasyon yon seri kay. Kèk responsab kominotè kritike kèk aktivite reparasyon kay yon seri òganizasyon entènasyonal fè, ki olye pou yo ta pèmèt diminye yon bon kantite moun ki nan kan yo, fasilite yon seri moun twonpe pwosesis la. Yo site yon seri ka kote kèk moun ki benefisye reparasyon kay yo chwazi rete nan kan yo, epi lwe kay sa yo ak lòt patikilye. Nan lòt ka, yo lwe shelters yo epi yo rete anba tant yo. Patisipasyon Komite kowòdinasyon nan pwojè sa yo ta ka, dapre yo, pèmèt yon pi bon suivi epi sa t ap ede diminye piplis kantite moun ki nan kan yo, ak menm mwayen ki envesti yo. Fason tout ONG yo aji pa parèt efikas ak efisyan, dapre menm enfòmatè sa yo ki kite nou konprann òganizasyon lokal yo ap obsève tout ti detay nan aksyon ONG yo. Ant ijans lan ak rekonstriksyon an : yon deskripsyon nan senk pwoblèm. Repons ak seyis la pa t twò fèb. Anplis anpil inisyativ chak moun, anpil òganizasyon entènasyonal ak ONG te pote èd ki te gen anpil enpòtans. Solidarite International te jwe yon wòl enpòtan nan sektè dlo ak asenisman. Fondasyon Architectes de l’Urgence te ede nan repare batiman, prensipalman lekòl, epi te patisipe nan elabore yon dokiman ki bay enfòmasyon sou sitiyasyon fizik ak sosyodemografik katye ak kan yo (Op. cit.). ONU-Habitat te travay nan mobilizasyon kominotè epi te sèvi tankou medyatè ant responsab kominotè yo ak lòt aktè imanitè yo. UNOPS te plis travay nan sektè shelters, nan reparasyon kay ki te make jòn yo ak

province, le camp et le quartier, le camp et la maison. Les gens se déplacent de manière fonctionnelle, laissant entrevoir le phénomène – difficile à quantifier – des tentes vides, ou tentes zombies, où les gens n’habiteraient pas mais où ils se rendraient occasionnellement (Giovanna Salome (2012). Camps, transitional site et relogement à

Port-au-Prince après le séisme du 12 janvier. CERI/CNRS.

www.cerisciencespo.com/archive/2012/janvier/dossier/art

_gs.pdf)».

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 11

destriksyon sila ki te evalye wouj yo. Lòt aktè tankou Bibliothèque sans Frontière, Croix-Rouge Américaine et Haïtienne, World Vision, Sport sans Frontière, Help Doctors, ALIMA (The Alliance for International Medical Action) te patisipe nan repons yo nan katye a. Nan sitiyasyon katastwòf, apre premye moman ajite yo, faz ijans lan, nesesite pou gade devan, epi panse nan sans devlopman ta dwe parèt (Grünwald dir : 2005). Men ta dwe genyen yon lyezon ant de moman sa yo paske gen ris pou ijans lan fè plis tan, yon bò, epi pou gache tranzisyon an, yon lòt bò ; sa ki ka konpwomèt pwosesis rekonstriksyon ak devlopman an. Nan Bristou-Boben, tout bagay montre yon sitiyasyon konplèks, ki fè wè posiblite pou ta genyen yon sitiyasyon ijans nan tranzisyon an. Men yon deskripsyon sitiyasyon an nan senk pwoblèm. Gen kèk nan pwoblèm sa yo ki te deja parèt nan dokiman pwofil la. Pwoblèm asenisman ak anviwònman : Katye ak kan Bristou-Boben yo ap fè fas ak yon seri difikilte ki vin ogmante sitou nan sitiyasyon tranzisyon aktyèl la. Anpil moun oblije pran dlo nan sous ki bò ravin yo pou satisfè bezwen yo, alòske sous sa yo kontamine ak dechè (enfiltrasyon latrin ak fòs yo, dechè plastik, metal lou, ets.). Diferan bezwen popilasyon an pa entegre nan yon menm « repons », ki enplike diferan sèvis Leta yo. “ Anviwònman popilasyon Bristou-Boben an pa pwòp menm”, dapre yon moun nan katye a . Jesyon dechè yo, dlo potab, netwayaj ravin yo se kèk pami gran defi travay asenisman nan kan/katye Bristou-Boben an. Sitiyasyon salte sa a afekte non sèlman kan yo men tou katye yo anjeneral ; paske espas sa a se anmenmtan katye kote moun yo soti, kan refij epi katye pou moun yo tounen. Nan ki sans pwosesis retounen nan katye a entegre kontrent ekolojik yo ak nivo degradasyon anviwònman kote moun sa yo ap viv andeyò sant iben yo ? Pwoblèm fonsye : Bristou ak Boben te kòmanse egziste apati ane 60 yo nan kondisyon enfòmèl nou konnen yo. Si 56% menaj yo (1, 625) di yo se pwopriyetè kay yo okipe yo, sèlman 1/4 ladan yo di yo se pwopriyetè teren yo. 57% nan chif sa a di yo gen papye. Plis pase majorite pwopriyetè kay yo di yo okipe tè yo poukont yo. Kan yo te tabli anjeneral sou tè prive, sa ki fè abitan kan yo toujou anba menas pou yo pouse do yo. Epi, nan reyalite a, anpil pwopriyetè, ki pa ka tann e ki pè pèdi pou toutan kontwòl teren yo deja itilize pwòp mwayen pa yo pou mete deplase yo deyò. Nan sans sa a, plizyè

kan, swa okonplè, swa yon pati, te deja blije fèmen anba menas mèt tè yo. Ka menas pou fòse deplase yo kite espas yo ki lye ak seyis la jwenn plis jarèt nan pwoblèm fonsye a ki plis estriktirèl. Anpil moun ki prezante tèt yo tankou pwopriyetè pwofite pou reklame tè menmsi okipan yo te la depi anvan seyis la. Kidonk gen yon kriz nan fonsye a. Kijan pou abòde pwoblematik relojman an ak diyite moun ki nan kan yo etan n ap poze pwoblèm fonsye estriktirèl la ? Kijan nou ka konprann sipò pou moun yo rekonstwi poukont yo nan katye sa a nan kontèks kote pèsonn pa wè klè nan kesyon posesyon papye tè yo ? Pwoblèm mank atansyon otorite piblik yo : Katye/kan Bristou-Boben yo bare nan yon kwen, kidonk pa parèt yon priyorite pou otorite yo, menm jan ak kan ki anndan kè vil yo epi kreye pwoblèm sekirite, pwòpte, estetik, ets. Enterè yo pa menm. Gen chans pou yo ta neglije katye sa yo, paske yo pa yon menas dirèk e prese pou vil la. Dayè, responsab kowòdinasyon yo di katye sa pa t janm (depi seyis la) jwenn yon atansyon kèlkonk otorite leta yo. Pa gen okenn sipò ki soti bò kote Leta, dapre youn nan manm kowòdinasyon yo11 .» Nan sans sa a, èske pwojè Leta ki vle fè deplase yo tounen nan katye yo epi reyamenaje sila yo vize kan ki sitiye pre vil yo, sa ki gen enterè dirèk yo, oubyen anbrase tout rejyon metwopoliten an ? Èske pa ta dwe genyen yon refleksyon espesifik pou zòn kote kan yo ak katye akèy yo fè yon sèl ? Pwoblèm ki mache ak depa aktè imanitè yo : Pi fò ONG ak aktè entènasyonal yo deja kanpe sou aktivite yo nan katye a. Pou kounyeya, sèlman ONU-Habitat kenbe yon prezans regilye epi aktif. Li ap fè aksyon nan mobilizasyon kominotè, prensipalman lè li ap apiye aksyon CCGBB, pa mwayen CRC a. Moun ki ap viv nan katye sa yo deja rive nan obligasyon pou envante pwòp solisyon pa yo devan defi sitiyasyon aktyèl la poze. Konsekans yo deja parèt. Pa egzanp, sektè dlo ak asenisman an ki te sitou jwenn sipò solidarite entènasyonal, pa jwenn sipò sa a ankò, alòske enstans kominotè yo pako gen matirite nesesè pou envante yon repons entèn pou sila yo ki pa ka achte sa yo bezwen. Kòm konsekans, jwenn dlo deja tounen yon kastèt pou abitan yo menm jan ak anvan katastwòf la. Kijan pou yo panse asistans pou kan deplase ki egziste toujou yo ak katye enstab yo nan kontèks patans youn apre lòt aktè imanitè yo ?

11

Nan dokiman pwofil la, nou jwenn Ministè Espò ak Aksyon sivik te reyalize kèk aktivite espòtif nan katye a, yon ti tan apre seyis la.

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 12

Pwoblèm vyeyisman abri tranzitwa yo : Pi fò pwela ak lòt materyèl yo itilize nan kan yo te enstale depi omwens yon ane. Kidonk yo nan yon move eta. Jis kilè mizanplas sa yo ki te la pou yon tibout tan ap ka kenbe ? Si mezi pou kite kan yo pa touche katye sa yo nan yon tan rezonab, èske yo prevwa renouvle oubyen restore dispozitif abri pwovizwa yo ki genyen ladan yo ki te la depi dezan edmi ? Konklizyon : Nan Bristou-Boben, pèsonn pa sanble anmezi pou bay repons sèten ak preyokipasyon popilasyon an ak komite kowòdinasyon an, sa ki fè pèsonn pa wè klè. Moun yo pa t janm genyen oparavan tout enkyetid sa yo sou kijan demen yo ap ye. Nan yon sans pi jeneral, reflesyon sa yo pèmèt nou souliye defi faz aktyèl la nan kontèks depa aktè imanitè yo epi kote kamera ak mikwo laprès yon jan vle tenyen. Otorite yo vle nenpòt kijan kite sitiyasyon ijans lan dèyè yo, lè yo ap ensiste sou relokalizasyon deplase yo. Pandan tan sa a, yo bliye kèk katye epi popilasyon yo, ki te gentan ap viv selon èd la, ki vin tonbe byen vit nan sitiyasyon difisil. Antouka, kesyònman sa a montre byen vit gwosè konsekans yon tranzisyon san kontwòl. Relojman nenpòt kijan deplase yo siyifi al pote nan katye yo yon sitiyasyon ki te déjà penib nan kan yo ; gen ris pou ta genyen yon ijans nan tranzisyon an epi tou konpwomèt pi plis

pwosesis rekonstriksyon an ki deja ap make pa souplas. Dapre nou, se pa yon neglijans ak yon mankman nan previzyon aktè ki te enplike nan èd la (nou pa ta ka mande plis) , men petèt yon pwoblèm gouvènans ak lidèchip bò kote otorite etatik ak teritoryal yo. Ta sanble anpil aksyon ak pwojè ta gen objektif sèlman pou retire moun yo nan kan yo oubyen pou pi plis rive nan nivo anvan seyis la : reyenstalasyon tout deplase yo nan katye yo nan menm kondisyon avan yo. Si dènye ipotèz la ta konfime, se t ap domaj. Tansa, n ap di tout aksyon yo ta dwe entegre nan yon kad global pou rekonstriksyon ak amelyorasyon kad lavi Ayisyen yo. Sa ki pi enpòtan an, se kijan pou fè yon tranzisyon soti nan ijans pou ale nan rekonstriksyon epi anmenmtan reyisi fè moun yo kite kan yo nan bon jan kondisyon. Pou nou jwenn plis detay sou sijè sa a : :

• Architecte de l’urgence et Solidarité

internationales (avril 2011). Profil de Quartier de Bristout-Bobin (sans nom d’auteur).

• Giovanna Salome (2012). Camps, transitional site et relogement à Port-au-Prince après le séisme du 12 janvier. CERI/CNRS. www.cerisciencespo.com/archive/2012/janvier/dossier/art_gs.pdf.

Ki leson pou rekonstriksyon an ki soti nan seyis 12 janvye 2010 la ? Caroline BROUDIC, jiyè 2012 Seyis 12 janvye a se yon katastwòf natirèl ki te fè plis dega akòz absans regilasyon depi plizyè deseni nan sektè lojman an ak nan ibanis la anjeneral. Okipasyon san lòd espas la, move kalite konstriksyon yo oubyen ankò kantite moun k ap viv nan zòn ki gen ris natirèl yo te fè dega yo pi grav. Konsa, menm jan dega nan moman pasaj siklòn yo pa ka parèt tankou malediksyon, katastwòf 2010 la antre nan yon mank planifikasyon iben ak devlopman ekonomik. Èske dyagnostik sa a, anpil moun te dakò sou li apre seyis la, nan kè rekonstriksyon an ? Nan lòt mo, èske politik yo mete anplas depi katastwòf 2010 la pèmèt rediksyon danje k ap plane sou tèt popilasyon an sizoka yon lòt seyis, siklòn oubyen glisman tèren ta rive ?

Dokiman politik nasyonal lojman, abita ak devlopman iben Inite pou Konstriksyon Lojman ak Batiman Piblik yo (UCLBP)12 elabore a ap sibi kounyeya dènye retouch yo epi ta dwe soti nan semenn ki ap vini yo. Li montre eleman prensipal rekonstriksyon an pa sèlman nan zòn ki sibi domaj nan seyis la men, pi laj toujou, nan amenajman tout teritwa a nan nivo nasyonal. Travay ki ta dwe fèt nan rejyon metwopoliten an se yon gwo chantye ki pako lanse tout bon vre. « De lane apre seyis 12 janvye 2010 la, yo estime jiska 500 000 inite bezwen lojman nan peyi Ayiti. Estimasyon sa a gen ladan 200 000 kay ki kraze nan seyis la, selon etid gouvènman an fè, ak yon estimasyon 300 000 lòt kay, pou konpanse mank

12

UCLBP entegre dirèkteman nan primati a.

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 13

lojman ki te deje la anvan seyis la epi ki chita sou kwasans demografik la, tankou popilasyon Pòtoprens lan k ap gentan double nan 17 lane ki gen pou vini yo13» . Gouvènman ayisyen an idantifye depi 2010 domèn sa yo ki se kle pwosesis rekonstriksyon an epi ki bezwen refòm : - Planifikasyon estratejik iben ak kominotè epi

planifikasyon ekonomik ; - Amenajman teritwa a ak devlopman mache

fonsye ; - Finansman lojman ak devlopman mache

lokasyon an ; - Devlopman lojman pou moun ki p ap touche

anpil kòb yo, anpatikilye lojman lokatif ; kontwòl kalite nan konstriksyon batiman yo ;

- Jesyon ris ak katastwòf pou kay ak katye yo ak kreyasyon yon rejim asirans kay ;

- Devlopman, jesyon ak finansman enfrastrikti pou administrasyon lokal yo.

Youn nan pi gwo anje faz rekonstriksyon sa a lye ak jesyon tan an, lè nou konsidere politik rekonstriksyon an tabli sou yon dizèn lane (petèt menm pi plis toujou) alòske nan yon ti tan tou kout gen pwoblèm ki lye ak moun yo enstale – oubyen ki enstale tèt yo – nan yon seri zòn ki gen anpil danje oubyen ki ap viv toujou nan kan deplase yo. Kesyon sa a tèlman gen enpòtans, li mennen nou nan kòz estriktirèl katastwòf la epi, nan menm tan an, sou konsyans ki te pran apre seyis la sou nesesite pou gen gwo chanjman nan gouvènans ak nan politik devlopman iben ak riral. Viktim yo ap vin parèt envizib ? Dapre denyè done Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), plis pase 390 000 moun ap viv toujou nan 575 kan ki gaye prensipalman nan rejyon metwopoliten an14. Fèmti kan yo ap pouswiv ak yon vitès ki parèt yon jan rezonab depi kòmansman pwosesis sibvansyon ak relokalizasyon an. Plis pase 5 100 fanmi te benefisye yon sibvansyon 500 USD (20 000 HTG) ki koresponn ak yon lane lwaye. Pwogram sa a vize moun ki pa t gen kay anvan seyis la, swa 97% fanmi ki ap viv toujou nan kan yo. Aktivite sa a te pèmèt fèmti yon seri kan senbolik ki te plase sou yon seri plas piblik (Bwaye, Sen Pyè, Kanapevè, Mayigate, Silvyo Katò, Channmas …). Piti piti, plizyè espas ki gen anpil enpòtans pou vil la vin ranpli wòl yo te konn ranpli

13

UCLBP, Politik nasyonal Lojman, abita ak devlopman iben, vèsyon 30 avril 2012, yo prezante li jou ki te 29 juin 2012 la, se Inite pou Konstriksyon Lojman ak Batiman Piblik.

14 OCHA – Bulletin humanitaire Haïti n°19- Juillet 2012.

anvan seyis la epi kounyeya vin tounen espas sosyal. Si pa gen okenn dout reyapwopriyasyon espas piblik yo se deja yon volè nan rekonstriksyon an, sitou nan yon sans sosyal ak sikolojik, fèmti sa yo pa dwe maske 575 kan ki toujou ouvè nan rejyon an. Kan sa yo ki te vizib anpil te jwe yon wòl takinen pou raple tout moun rekonstriksyon an te fenk kòmanse. Pi fò kan ki rete yo fonn tipatipa nan peyizaj la epi yo pa make ankò reyèlman limit ak espas iben an ni nan nivo fizik ni petèt nan nivo sosyal. Dezangajman repons imanitè a sanble poutan fè wè jan yo bliye pezape egzistans sit ki te la pou ebèje moun yo pou yon tibout tan an. Pou nou di plis, moun ki ap viv nan kan yo soti nan yon estati viktim ki te ba yo dwa ak asistans pou vin envizib, kote, menm, depi yon moun deplase sa bay dwa pou yo sispèk li tankou moun k ap eseye pwofite sistèm nan, se yon fason pou mete moun sa yo sou kote, pou fè yo konprann yo se responsab echèk yo lè yo pa rive jwenn yon solisyon pou tèt yo plis pase de lane edmi apre seyis la. Lè yo ap fè moun sa yo konprann yo se pwòp responsab kondisyon yo ap viv la, yo vin fè yo pèdi, konsa, tout kapasite pou revandike. Men, dokiman politik nasyonal la panche sou estrateji tranzisyon pou kan sa yo epi ranje yo selon kat kategori : a) kan ki ta dwe kontinye fonksyone pou yon sèten tan epi ki kapab regwoupe yo, b) kan ki ta dwe fèmen touswit, c) kan yo ta ka regilarize epi, d)kan yo ka antre nan yon operasyon devlopman imobilye. Yo te defini kritè klasifikasyon yo, men yo pa t gentan mete klasifikasyon sa a sou kat, yo pa t menm gentan rann li ofisyèl. Sitiyasyon sa a kreye yon ensekirite fizik (fonsyè) pou deplase ki pa ka fè pwojè pou tèt li lè yo pa konnen si yo ap ka rete sou sit la, epitou yon dout pou ajans ki poko vle fè envestisman pou kenbe sit sa yo. Danje a soti nan banalize yon sitiyasyon kote sa ki te choke anpil moun apre seyis la ta vin tounen koutim, epi deriv sa a ta parèt yon bagay natirèl lè nou konpare nouvo sitiyasyon an ak fason vil Pòtoprens t ap etann li depi dènye deseni sa yo, yon konstriksyon nan dezòd tout moun te dakò. Ankourajman pou oto-rekonstriksyon : prensip reyalite vs prensip prekosyon ? « Depi seyis la, yo estime ak 5 000 inite lojman ki rekonstwi epi 15 000 sa ki repare ak èd kominote entènasyonal la; kèk 50 000 lojman te benefisye reparasyon e resevwa moun, epi fanmi ayisyen yo te konstwi 50 000 lòt ak pwòp resous yo. Sa montre gwo dinamis ayisyen ak ayisyèn yo montre sou kesyon lojman an ». Dokiman politik nasyonal pou lojman, abita ak devlopman iben

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°3 14

(UCLBP) elabore a montre klèman sou sijè sa a « Konstriksyon lojman yo se responsablite fanmi yo ». Nan ka sa a, apwòch la rete koyeran ak sila Plan aksyon pou relèvman ak devlopman nasyonal Ayiti [PDNA] te elabore nan mwa mas 2010 la. Yo prevwa yon seri mezi kit teknik (konsèy, règ pou konstwi) tankou finansye (aksè ak kredi) pou bay garanti yon abita pi bon kalite ak sekirite. Konpozan 3 pwogram pou Apiye Rekonstriksyon Lojman ak Katye (PARLQ) , ak koutmen ONU-Habitat epi OIM, patisipe nan sans sa a nan ranfòsman kolektivite teritoryal yo nan mete anplas Ajans Teknik Lokal (ATL), enstriman desantralize pou planifikasyon iben. Politik nasyonal la remèt aktivite rekonstriksyon yo bay fanmi yo yomenm, sektè prive a ak Òganizasyon Non-Gouvènmantal (ONG) yo. Lè nou konsidere jan bagay yo te konn fèt san lòd la depi plizyè deseni, yon estrateji ki monte sou baz « kapasite Ayisyen pou rekonstwi kay yo » pa mete sou kote danje yo. Pou di plis, kapasite pi fò nan menaj ayisyen yo pou envesti pa gwo, epi, menm si ta gen mezi ki pran bò kote Gouvènman an pou ankouraje aksè ak kredi, disponiblite kapital yo ak posiblite pou menaj sa yo ranbouse dèt yo ap kontrenn pwosesis sa a. Lè nou konsidere defisi lojman an (500 000 inite) ak limit ekonomik menaj yo, pwobablite pou sektè bankè a ak sektè prive konstriksyon an ta asime gwosè ris sa a san gwo angajman Leta piti anpil. Konsa, kijan nou pral asire nou konstriksyon 500 000 lojman sa a pa pral fèt san lòd menm jan bagay yo te konn fèt anvan seyis la ? Yon lòt kontrent, kounyeya fizik, kapab konpwomèt efè politik sa a sou yon dire ki pi long. Sipèfisi rejyon metwopoliten Pòtoprens la pa ka etann li anpil akòz konfigirasyon jewografik li (lanmè ak mòn). Epoutan favorize oto-konstriksyon ap kondui tousenpman nan yon etalman san kontwòl vil la, kidonk ak okipasyon zòn riske yo. Yon politik ki gen pou objektif konstriksyon batiman plizyè etaj, k ap reponn ak règ parasismik yo, ta ka pèmèt yo redui danje ki lye ak presyon sou fonsye a. Pèspektiv sa a gen tout enpòtans li lè nou konnen popilasyon Pòtoprens lan ka double nan 17 lane ki ap vini yo. Travay mikwo ak makwo zonay ki ap fèt kounyeya ap pèmèt asireman yo fè katografi zòn danjere yo anfonksyon tip sòl yo epi yo ta dwe tounen enstriman pou ede nan planifikasyon iben an. Men, yon politik ki baze sou otokonstriksyon redui chans pou konsidere danje sa yo, nan yon anviwònman fizik ak ekonomik tankou Pòtoprens. Gen plis chans pou se prensip reyalite a ki oryante desizyon fanmi yo ap pran, sa vle di se bezwen yo ki pral oryante chwa sit yo olye se konsyans ki pran sou gwosè danje ki pandye yo.

Èske devlopman san lòd espas metwopoliten an enskri nan yon plan nasyonal pou amenaje teritwa a ? Politik UCLBP devlope a pa rete sèlman sou zòn ki te sibi domaj nan seyis la, men montre yon anbisyon nasyonal. Nan sans sa a, yo konsakre yon chapit sou lojman nan milye riral ak semi riral yo. Men, li parèt evidan anpil kesyon amenajman teritwa a plis lye ak yon seri faktè ekonomik epi ak aksè pou sèvis ki pi enpòtan yo pase sou abita. Se pou yo ta plis poze kesyon sou koyerans ant faz sa a ak estrateji nasyonal nan sektè agrikilti, lasante, ledikasyon. Epi petèt reflechi sou yon politik ki pa pran pou yon fè akonpli doubman popilasyon an nan 17 lane, men sou devlopman yon estraji nasyonal pou ekite teritoryal. Konklizyon : Rekonstriksyon an poko reyèlman kòmanse, epi li t ap parèt anvan lè si nou ta ale twò vit sou kèk konklizyon, dayè se yon bagay ki planifye sou yon dizèn lane. Pwen nou touche nan atik sa a, pou kounyeya se sèlman yon seri pwen vijilans. Se sou yo Obsèvatwa a gen pou pote atansyon nan mwa ki ap vini yo15. Yo fè wè faktè estriktirèl ki te vin agrave bagay yo nan seyis 12 janvye a : esklizyon, absans planifikasyon iben (epi nan yon kad pi laj, teritwa a). Si yo pa mete kesyon sa yo nan yon veritab politik ak mwyen sa mande, se t ap tankou nou pa t pran leson nan seyis la ak 220 000 ka lanmò li yo16. San nou pa vle pote jijman twò vit sou demen, otorite yo sanble okontrè diminye sou anbisyon yo, epi rèv pou yon Pòtoprens tounèf la sanble tounen yon fotokopi Pòtoprens anvan seyis la : yon gwo tach iben ki etann li san okenn planifikasyon kote sèvis yo se prive, kote prensip ekite yo rete anlè epi senpman nan preyanbil konstitityon 1987 la. Se pou sa de (2) lane edmi apre seyis la, li sanble lejitim pou yon moun poze tèt li kesyon yon lòt fwa : Ki leson nou tire nan seyis 12 janvye 2010 la ? Pou nou jwenn plis detay sou sijè sa a : :

Haïti PDNA, « Évaluation des dommages, des pertes et des besoins généraux et sectoriels», 2010.

15

Noua p panche nou sou de etid kounye « Anviwònman & Rekonstriksyon » epi « Apwòch kominotè ».

16 Chif ofisyèl Gouvènman Ayisyen bay se 220 000 à 250 000

ka lanmò.

Lèt obsèvatwa Ayiti a – n°2

Groupe URD Haïti Tel : (+ 509) 3170 7570 http://www.urd.org/haïti/

Gwoup URD (Urgence-Réhabilitation-Développement) se yon enstiti d asosiyasyon k ap fè rechèch, evalyasyon, mete an plas metòd ak fè fòmasyon nan bi pou chanje pratik èd imanitè nan benefis moun ki nan pwoblèm yo. Pou nou jwenn plis detay: www.urd.org

Le Groupe URD Kontak

Pou ou ka jwenn Lèt enfòmasyon obsèvatwa a : www.urd.org/haiti Si ou ta vle voye yon atik pou piblikasyon : Antre an kontak ak Caroline Broudic nan : [email protected]

«Ann evalye pou n ka vanse », lèt obsèvatwa Ayiti (évaluer pour évoluer, en français), ap travay pou fè nou konnen rezilta evalyasyon ak lòt etid ki mache ak keksyon kòsanan sektè èd la nan peyi a. Nou toujou mande lòt moun voye atik pou nou; nou endike atik nan lòt jounal ki gen rapò ak sijè nou yo. Nou priye ou kontakte nou si ou ta renmen pwopoze youn. Ale sou sit entènèt (www.urd.org/haiti) pou ou jwenn lòt konesans ak lòt atik ki pi detaye.

Oktivite obsètwa soutni pa: