gid paran pou chwa lekòl daprè lwa okenn timoun pa dwe rete dèyè (nclb)
Embed Size (px)
DESCRIPTION
Gid paran pou Chwa Lekòl daprè lwa Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB). Distri lekòl rejyon Palm Beach - 2011. Pwogrè anyèl adekwa (AYP). AYP detèmine ki lekòl ak elèv Tit l ki kalifye pou chwa lekòl NCLB . Pwogrè anyèl adekwa (AYP). - PowerPoint PPT PresentationTRANSCRIPT

Gid paran pou Chwa Lekòl daprè lwa
Okenn timoun pa dwe rete dèyè(NCLB)
Distri lekòl rejyon Palm Beach - 2011

Pwogrè anyèl adekwa (AYP)
AYP detèmine ki lekòl ak elèv Tit l ki kalifye pou chwa lekòl
NCLB

Pwogrè anyèl adekwa (AYP) • Mezire Pwogrè tout elèv yo nan lekti,
matematik ak konpozisyon • Mezire to gradyasyon
• Lekòl la dwe fè omwen yon mwayèn “C” oswa yon pi bon nòt
• Si lekòl la pa fè AYP nan tout domèn yo ak nan tout sougwoup yo, l ap peye konsekans yo

Pwogrè anyèl adekwa (AYP)
Pwogram NCLB a egzije tout lekòl pou mezire Pwogrè anyèl adekwa (AYP)
TOUT lekòl piblik resevwa pwen AYP yoLekòl ki pa gen-Tit I Lekòl Tit ILekòl semiprive
AYP a mezire pwogrè nèf sougwoup

Nèf sougwoup yo Tout Blan Nwa Panyòl Azyatik Endyen etazini
Elèv ki soti nan fanmi ki defavorize ekonomikman
Elèv ki pa pale anglè byen
Elèv ki gen andikap (SWD)

Pou atenn AYP a Lekòl la dwe fè yon mwayèn ki omwen “C” EPI95% nan chak sougwoup dwe evalye EPIChak sougwoup dwe rive nan nivo pousantaj ki tabli
pou “lòt” endikatè yo mande (ekriti ak gradyasyon) EPIChak sougwoup dwe rive nan nivo pousantaj
konpetans ki tabli pou lekti ak matematik.

Objektif konpetans
Ane
Lekti Matematik
% Konpetans
RevizeOgmantasyon % Konpetans
Revize Ogmantasyon
2009-10 72 7 74 62010-11 79 7 80 6
2011-12 86 7 86 62012-13 93 7 93 72013-14 100 7 100 7

Rapò pwogrè anyèl adekwa distri a

Si pa gen pwogrè anyèl adekwa (NAYP)Sa k ap rive aprè? Malgre TOUT lekòl jwenn yon mwayèn
pou AYP yo, se sou lekòl Tit l yo sèlman li gen konsekans epi se lekòl sa yo ke yo idantifye kòm “lekòl ki bezwen fè pwogrè” Lekòl (SINI)
Aprè 2 ane konsekitif san pwogrè adekwa (AYP), y ap konsidere lekòl sa a kòm “lekòl ki bezwen fè pwogrè” (SINI)

Konsekans NAYP
1 Ane NAYP Revize plan ameliorasyon lekòl –Adrès sougwoup ki pa fè AYP
2 Ane NAYP - SINI 1 *Sèvis edikasyonèl siplemantè3 Ane NAYP - SINI 2 * Chwa transfè NCLB ak
transpòtasyon4 Ane NAYP - SINI 3 *Aksyon korektiv (Plan AAA) 5 Ane NAYP - SINI 4 *Plan pou Restriktirasyon 6 Ane NAYP - SINI 5 *Aplike Plan Restriktirasyon
*Konsekans yo kimilativ. Yo aplike menm konsekans yo chak ane, plis yo ajoute nouvo konsekans yo.

Chwa paran yo nan rejyon Palm Beach
Yo bay tout paran ki gen timoun nan yon lekòl Tit l ki pa fè pwogrè adekwa pandan omwen de ane yon seri chwa pou edikasyon pitit yo
Lekòl la pa fè pwogrè adekwa (AYP) pandan
Chwa NCLB
2 aneRete nan lekòl ou ye a oswa
Resevwa Sèvis edikasyon siplemantè (SES)(si w elijib)
3 ane oswa plisRete nan lekòl ou ye a oswa
Resevwa Sèvis edikasyon siplemantè (SES)(si w elijib) oswa
Transfè nan yon lòt lekòl

Chwa lekòl NCLB Poukisa pitit mwen kalifye pou
chwa lekòl?Timoun yo kalifye pou chwazi lòt lekòl lè lekòl ki gen pwogram Tit l yo ye a pa fè pwogrè adekwa (AYP) pandan omwen de ane konsekitif jan lwa Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè a (NCLB) mande li a.

Sèvis edikatif siplemantè (SES)
Kisa sèvis edikatif siplemantè a ye?“Sèvis edikatif siplemantè” bay leson patikilye ak lòt sèvis akademik adisyonèl nan lekti, syans ak matematik. Se ajans prive ki bay sèvis adisyonèl sa yo aprè lekòl, anvan lekòl oswa nan wikenn.

Sèvis edikasyon siplemantè (SES) Kijan m ap fè konnen si pitit mwen
an kalifye pou SES? Pitit ou a elijib si li:
ale nan yon lekòl Tit I ki pa fè pwogrè anyèl adekwa pandan omwen twa (3) ane oswa plis
te kalifye pou jwenn manje gratis oswa nan pri rabè

Sèvis edikasyon siplemantè (SES) Kijan pou m chwazi pwogram SES
pou pitit mwen?Ou dwe chwazi opsyon SES nan fòm “NCLB Choice Options Application” la. Epi voye fòm nan retounen nan lekòl pitit ou a.

Sèvis edikatif siplemantè (SES) Èske tout timoun ki kalifye ap
resevwa èd SES si paran yo chwazi SES? Sa posib. Genyen yon kantite lajan byen detèmine pou pwogram sa a. Elèv ki elijibi yo ap gen priyorite pou jwenn èd nan pwogram la anvan.

Sèvis edikatif siplemantè (SES) Kijan pou m chwazi yon bon ajans
ki ofri sèvis SES?Distri lekòl la ap: voye enfòmasyon ba ou sou chak ajans Eta
Florid la apwouve nan zòn ou fè “reyinyon pou ajan” nan tout rejyon Palm
Beach la pou sa kapab rankontre ak ajan yo

Kesyon anplis Kijan pou m chwazi pwogram
SES pou pitit mwen?Lòt kesyon pou w konsidere:
◘ Ki distans lakay mwen a nouvo lekòl la?◘ konbyen tan pitit mwen ap fè nan otobis lekòl la?◘ Ki avantaj pitit mwen an kab tire nan LESON
PATIKILYE a?◘ Èske pitit mwen an renmen lekòl li ye kounye a?

Kesyon anplis Èske yo kab pran pitit mwen an
nan SES, ak toujou kalifye pou chwazi lekòl?Non. Ou kapab fè yon chwa sèlman.
SI W CHWAZI SES OU PA KAPAB CHWAZI POU TRANSFERE NAN YON LÒT LEKÒL.

Transfè chwa lekòl NCLB Kisa mwen kab fè si mwen pa
vle pitit mwen kite lekòl li ye kounye a?
Pitit ou pa oblije transfere nan yon lòt lekòl. Si w ta renmen li rete nan menm lekòl la, make chwa w fè a sou fòm nan epi voye l tounen nan lekòl pitit ou a ye kounye a.

Transfè chwa lekòl NCLB Èske m kapab chwazi nenpòt
lekòl nan rejyon Palm Beach la?
Non. Distri a responsab pou ba w lis lekòl pou w chwazi. Lè l ap plase pitit ou nan yon lekòl, Distri a ap fè tout posib li pou respekte premye chwa ou te fè kòm paran. Daprè lwa okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB), se yon lòt lekòl piblik sèlman ou kab chwazi, oswa yon lekòl semiprive.

Transfè chwa lekòl NCLB Èske tout pitit mwen yo kapab
ale nan menm lekòl?Sa posib. Y ap fè efò pou kenbe frè ak sè nan menm lekòl. Sepandan, daprè nivo akademik chak timoun, sa kapab nesesè pou mete frè ak sè nan lekòl separe.

Transfè chwa lekòl NCLB Èske y ap bay mwayen transpò?
Wi, toutotan gen lajan kòm fon disponib.

Transfè chwa lekòl NCLB Konbyen tan pitit mwen an kab
fè nan nouvo lekòl la? Pitit ou kab rete nan nouvo lekòl la
jiskaske li rive nan dènye klas lekòl la genyen.

Transfè chwa lekòl NCLB Èske pitit mwen an ap toujou
jwenn transpòtasyon?Sa posib. Men li pa obligatwa pou Distri a bay mwayen transpò ankò depi lekòl pitit ou a te ye avan an vin reyalize pwogrè anyèl adekwa nòmal pandan de (2) ane konsekitif.

Transfè chwa lekòl NCLB Kisa k ap rive si mwen ta demenaje
al abite nan yon lòt zòn nan rejyon Palm Beach la…Èske m dwe deplase pitit mwen an mete l nan yon lòt lekòl?
Non. Sepandan, si ou demenaje al abite andeyò limit zòn lekòl la sèvi a, w ap oblije chèche pwòp mwayen transpò pa w.

Dat enpòtan pou paranYo fè paran an konnen chwa NCLB
yo 6 me 2011
Paran yo retounen fòm ki gen chwa NCLB yo a 2 jen 2011
Distri a poste lèt ak enfòmasyon sou transfè lekòl la
Dat previ 20 jen 2011

Kesyon anplis Kijan m kapab jwenn plis
enfòmasyon konsènan chwa yo pou pitit mwen an?
Ou kapab kontakte lekòl pitit ou a pou plis
enfòmasyonAle sou sit entènèt distri lekòl rejyon Palm
Beach la: http://www.palmbeachschools.org