· web viewenstriksyon. anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk...

99
<< Ranplase/Ajoute/efase logo a oubyen logo yo>> KAD JENERAL POU PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON AN Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon an << Dat >>

Upload: duongque

Post on 20-May-2018

224 views

Category:

Documents


4 download

TRANSCRIPT

Page 1:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

<< Ranplase/Ajoute/efase logo a oubyen logo yo>>

KAD JENERAL POU PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON AN

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon an

<< Dat >>

<< Mete tout lòt enfòmasyon ki nesesè sou paj kouvèti Gid la>>

Page 2:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Tab Matyè

Prefas........................................................................................................................................................4Remèsiman................................................................................................................................................5Kijan pou ou sèvi ak Liv sa a.......................................................................................................................6Metòd ak teknik ki pou itilize nan Klas la pandan fòmasyon an......................................................................7Tout sa ki dwe pare pou fòmasyon an...........................................................................................................8Byenveni ak Presantasyon.........................................................................................................................10Prezantasyon Kliyan an.............................................................................................................................13Dokiman pou etidye lakay.........................................................................................................................14Objektif fòmasyon an jodia.......................................................................................................................15Objektif Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi >> A.......................................................................................17Oganizasyon Jeneral Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a.......................................................................18Dewoulman Ankèt la................................................................................................................................21Diferan Pati Ankèt la................................................................................................................................22Materyèl ak Founiti..................................................................................................................................27Ensktriksyon ki esplike Anketè yo etap pou yo fè Ankèt la..........................................................................33Etap Ankèt la...........................................................................................................................................34Egzèsis....................................................................................................................................................40Egzèsis pou fè nan klas.............................................................................................................................41Fo entèvyou - Entwodiksyon.....................................................................................................................44Fo entèvyou #1........................................................................................................................................45Fo entèvyou #2........................................................................................................................................47Fo entèvyou #3........................................................................................................................................49Fo entèvyou #4........................................................................................................................................51Apre Entèvyou a......................................................................................................................................52Konklizyon ak Evalyasyon........................................................................................................................54Apendiks A: Prezantasyon Powerpoint Fòmasyon an...................................................................................55Apendiks B: Liv Anketè a.........................................................................................................................56Apendiks C: Egzèsis pou Revizyon (san repons yo).....................................................................................57Apendiks D: Egzèsis pou Revizyon (ak repons yo)......................................................................................58Apendiks E: Egzèsis pou diminye kantite moun ki pa reponn (san repons yo)................................................59Apendiks F: Exercise pou diminye kantite moun ki pa reponn (ak repons yo)................................................60

Page 3:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Prefas

<<Objektif liv sa se ede fòmatè nan zafè Ankèt sou Alfabetizasyon yo, pou yo ka fè fòmasyon anketè yo. Dokiman sa a gen ladan l enfòmasyon yo dwe bay anketè yo avan yo ale sou teren an pou poze kesyon. Fòmatè yo dwe li liv sa a avan yo bay fòmasyon an.

Gendwa gen tèks ki ajoute nan dokiman sa a pou mete sitasyon Angajman Entènasyonal pou Alfabetizasyon (International Commitments on Literacy), oubyen sitasyon ak tout kontribisyon Pwojè Rejyonal sou Kad Jeneral pou Ankèt sou Alfabetizasyon Karikom ak BID (the CARICOM/IDB Regional Public Good Project on Common Framework for Literacy Survey), eksetera.

ATANSYON: SELON PEYI A, YO KA CHANJE TOUT SA KI EKRI NAN LIV SA A.Liv sa a se yon gid sèlman

Page 4:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Remèsiman

<<Ekri Remèsiman yo>>

Page 5:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Kijan pou w sèvi ak Liv sa a

Enstriksyon Jeneral

Gid sa a ap ede Fòmatè yo aprann Anketè yo kijan pou yo fè PAPI (Paper and Pencil Interview – “Entèvyou Papye ak Kreyon”) pou Ankèt sou Alfabetizasyon <<Peyi>> a.

Gid sa a di kisa Anketè yo di egzakteman pandan y ap fè entèvyou yo. Fòmatè yo dwe li Gid sa a anvan fòmasyon an pou yo wè si yo konprann sitiyasyon an ak tout strikti kou a. Fòk fòmatè yo swiv Gid sa egzakteman jan li ye a pou yo si elèv yo aprann TOUT sa yo bezwen konnen sou materyèl yo pral itilize pou Ankèt yo.

Kijan pou ou fè Fo entèvyou yo

Pou fo entèvyou yo

Elèv yo dwe reponn tout kesyon ki pran an konsiderasyon sa ki swiv yo:

o Yon rezime pwofil fanmi yo gendwa wè yo, epi

o Enfòmasyon ki gen relasyon ak kesyonè, liv ak egzèsis yo.

De elèv ap fè kòm si yap fè entèvyou a- Youn ap reponn kesyon yo, lòt la ap poze kesyon yo.

Elèv yo dwe li kesyon ki nan tout dokiman sou Ankèt yo byen fò, pa egzanp kesyonè yo, livrè yo ak egzèsis yo. Tout sa yo enprime ak karaktè gra.

Repons fòmatè a ap gen pou bay yo ap ekri nòmalman epi ap gen devan li R:

Tout komantè ki enpòtan (enfòmasyon) fòmatè a dwe bay ap ekri nòmalman.

Ou mèt pran kòm referans tout sa ki ekri an wouj e ki anndan <<parantèz>> SÈLMAN si elèv yo gen pwoblèm pou yo reponn kesyon yo.

Eseye pa bay plis enfòmasyon pandan fo entèvyou yo pase sa ki bay yo paske sa ka kreye konfizyon oubyen sa ka bay pwoblèm pandan fo entèvyou yo.

Page 6:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Metòd ak teknik ki pou itilize nan klas la pandan fòmasyon an.Enstriksyon

1. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo fè. Fòk ou sèten yo konprann pwen sa yo:

Kijan travay la dwe fèt pandan fòmasyon an; Jiska ki pwen ou vle yo enplike yo nan fòmasyon an; Kiyès ou vle ki ede Anketè yo pandan fo antèvyou yo; epi Kijan ou vle pou yo ede anketè yo.

2. Pran kèk minit pou ou prepare materyèl ou avan fòmasyon an.

3. Si youn nan elèv yo poze kesyon sou yon sijè wap wè pita pandan fòmasyon an, ba li yon repons ki kout epi di li wap pale de sijè sa a pita. Evite bay anpil esplikasyon paske sa ka fè lòt elèv yo pa konprann.

4. Fè pou elèv yo santi yo alèz avèk ou; konsa ya ka vin jwenn ou lè yo gen kesyon oubyen lè yo bezwen èd.

5. Si youn nan elèv yo poze yon kesyon ou paka reponn, mande youn nan lòt fòmatè yo oubyen youn nan obsèvatè yo pou yo bay repons lan si yo konnen repons lan. Si yo pa konnen li tou, ekri kesyon an pou w pa bliye epi bay repons la pi bonè ou kapab.

6. Bay ankourajman epi fè pou pa gen okenn mo negatif pandan fòmasyon an. Pi bon jan pou ou bay yon fòmasyon se lè ou bay elèv yo ankourajman. Toujou fè yon ti komantè pozisif lè ou wè yo fè efò ak pwogrè. Fòk ou pa janm bliye elèv yo oblije ap aprann anpil enfòmasyon yon sèl kou e yo ka santi yo strese poutèt sa.

7. Bay kèk pòz si ou santi elèv yo bezwen sa.

8. Fòk ou rilaks pandan w ap bay kou a. Depi ou kapab, ou mèt mache nan klas la pandan w ap bay kou a. Pran plizyè paj avèw pandan wap mache a.Yon chanjman nan vitès w ap bay kou a ap ede elèv yo aprann.

9. Si fo entèvyou a twò long, mande diferan elèv patisipe nan diferan wòl.

10. Si ou santi elèv yo pa fin konprann yon pati nan entèvyou a, pran yon lòt ka pratik, si ou gen tan, pou w ka montre yo pwen fèb yo.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 7:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Tout sa ki dwe pare pou fòmasyon an.

Anvan ou kòmanse avèk fòmasyon an, fòk ou si ou genyen materyèl sa yo.

Pou fòmatè a

Odinatè ki gen yon adaptè ak yon konektè Laptop ki gen tout prezantasyon Powerpoint yo nan memwa li. Pwòjektè

Orè fòmasyon an Tès Evalyasyon fòmasyon an Gid fòmasyon an + Fo entèvyou yo Ansanm Dokiman pou Anketè etidye Poukont li – Liv Anketè a, Kesyon pou Revizyon (ak tout

repons yo) ak Egzèsis pou diminye kantite Repons ki Absan yo (ak repons yo)

Gid Anketè a sou kijan pou fè Ankèt la Lis pou Kontwole Egzèsis yo Kat Repons Kesyonè Referans la Sak Anketè a– Kreyon 2B, gòm, egizwa, machin anrejistreman, kasèt, stikè pou make kasèt yo,

kwonomèt Kesyonè sou Kontrandi Anketè a Liv Anketè a Lèt Prezantasyon Nòt pou Anonse Vizit Ansanm Materyèl pou W aprann Chif – Kalkilatris, foto, règ Fòmilè pou verifye materyèl ki remèt yo Liv sou Tès Vokabilè ki itilize foto – Vèsyon kout Liv sou Pwosedi yo Kat ki gen Egzèsis pou Lekti (6) Kat Referans Anvlòp moun kap reponn yo ki genyen:

o Kesyonè Referans o Fòmilè pou Chanjman Adrèso Tès Memwa Chif Annavan – Fèy Anrejistreman Anketè ao Tès Memwa Chif Arebou – Fèy Anrejistreman Anketè ao Ti Liv Kesyon Seleksyono Fèy pou Make pwen ki vini ak Ti Liv Kesyon Seleksyon ano Kaye Komantè Anketè ao Ti Liv Prensipal ak Ti Liv Repè o Rapò ki anrejistre Entèvyou ki pa fèto Tès Vokabilè ki itilize Foto – Fèy Anrejistreman Anketè ao Anvlòp ki gen Lis pou verifye Moun kap reponn kesyonè yo

Fòmilè pou transmisyon

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 8:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Pou chak elèv Orè fòmasyon an Tès sou fòmasyon an Kàt ki make non chak moun Kaye/ Post-it Kreyon

Chak elèv dwe pote tou

Gid Anketè a sou kijan pou fè Ankèt la, Kat ki gen Repons sou Kesyonè Referans Ansanm Dokiman Anketè a dwe etidye poukont li

o Egzèsis pou diminye kantite repons ki absan (tout egzèsis yo dwe fèt)o Liv Anketè ao Kesyon pou revizyon (tout kesyon yo dwe fèt)

Kesyonè sou Kontrandi Anketè a Lèt Prezantasyon Nòt pou anonse vizit Fòmilè pou verifye materyèl ki remèt yo Liv sou Tès Vokabilè ki itilize foto – Vèsyon kout Kat ki gen Egzèsis pou Lekti (6) Kat Referans Anvlòp moun kap reponn yo dwe genyen:

o Kesyonè Referans o Chanjman Adrèso Tès Memwa sou Chif Annavan – Fèy Anrejistreman Anketè ao Tès Memwa sou Chif Arebou– Fèy Anrejistreman Anketè ao Ti Liv Kesyon Seleksyono Fèy pou Anrejistre pwen ki vini ak Ti Liv pou fè Seleksyono Kaye Komantè Anketè ao Ti Liv Prensipal ak Ti Liv Repèo Rapò ki anrejistre Entèvyou ki pa fèt yoo Tès Vokabilè ki itilize foto – Fèy Anrejistreman Anketè ao Anvlòp ki gen lis pou verifye moun kap reponn kesyon yoo Fèy Repons pou Egzèsis Eple

Fòmilè pou Transmisyon

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 9:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Byenveni ak Prezantasyon

Bonjou e byenveni nan Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon an. Pandan 5 jou kap vini yo, nou pral aprann ou kijan pou ou fè Ankèt sou Alfabetizasyon an.

Prezante tèt ou. Esplike kisa ou gen pou w fè nan mitan ekip kap travay nan pwojè sa a.

Kite lòt fòmatè kap travay avèk ou yo prezante tèt yo.

Mande elèv yo di non yo, di kibò yo soti, epi tou si yo te fè lòt Ankèt anvan.

Ou mèt fè aktivite ou vle pou ou ka mete tout moun alèz. Aktivite sa a pa ka depase 10 minit.

Rakonte nou kisa ou renmen li, kibò ou jwenn liv ou yo, epi tou poukisa ou pi renmen li yon kategori liv, pa egzanp mwen renmen li pati kote yo pale de kay nan jounal paske map chache yon nouvo kay.

Administrasyon

Anvan nou kòmanse, mwen ta renmen enfòme nou sou kèk bagay ki konsènen administrasyon.

Fè yo konnen kibò twalèt, kafeterya ak soti yo dwe itilize si gen ijans yo ye.

Orè

Nap fè tout sa nou kapab pou nou respekte orè sa a

Kòmanse bò - 9è

Pòz bò – 10è

Manje midi bò – 12è

Fini bò - 4trè

Anjeneral

Ou ka jwenn tout enfòmasyon nou wè pandan fòmasyon an nan Liv Anketè a epi tou nan Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la.

Komantè/ Kesyon

Èske youn nan nou ta vle poze yon kesyon anvan nou kòmanse?

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 10:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Orè Fòmasyon an

Wap jwenn prezantasyon powerpoint la nan Apendiks A

Jou 1 (Dyapozitif 2)

Byenveni/Prezantasyon/ Aktivite pou Kòmanse

Objektif pou jounen fòmasyon an

Objektif Ankèt Alfabetizasyon an

Prezantasyon Jeneral Ankèt la

Dewoulman Ankèt la

Materyèl ak Founiti pou Ankèt la

Etap Entèvyou yo

Egzèsis pou Revizyon

Jou 2 (Dyapozitif 3)

Revizyon premye jou fòmasyon an

Fo entèvyou o Kontako Kesyonè Referanso Ti Liv Prensipal ak Ti Liv Kesyon Seleksyon

Egzèsis pou diminye kantite repons ki absan yo

Egzèsis pou Revizyon

Egzèsis pou konte Pwen

Jou 3 (Dyapozitif 4)

Revizyon dezyèm jou Fòmasyon an

Fo entèvyouo Kontako Kesyonè Referanso Ti Liv Kesyon Seleksyon + Ti Liv Repèo Egzèsis Lekti

Egzèsis pou diminye kantite repons ki absan yo

Egzèsis pou Revizyon

Egzèsis pou konte Pwen

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 11:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Jou 4 (Dyapozitif 5)

Revizyon twazyèm jou fòmasyon an

Fo entèvyou o Kontak o Kesyonè Referanso Ti Liv Kesyon Seleksyon ak Ti liv Repèo Egzèsis Lekti

Egzèsis pou diminye kantite repons ki absan yo

Egzèsis pou Revizyon

Egzèsis pou konte Pwen

Jou 5 (Dyapozitif 6)

Revizyon katryèm jounen Fòmasyon an

Fo entèvyou o Kontak o Kesyonè Referanso Ti Liv Kesyon Seleksyon ak Ti Liv Repèo Egzèsis Lekti

Egzèsis pou diminye Kantite Repons ki absan yo

Egzèsis pou Revizyon

Egzèsis pou konte Pwen

Apre Entèvyou a

Kesyonè sou Kontrandi Anketè a

Fen ak Evalyasyon

Administrasyon

Kesyon/Komantè

Èske gen kesyon sou Orè a?

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 12:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Prezantasyon Kliyan an

Prezantazyon Kliyan an

Prezantasyon – Sipèvizè Ankèt la, Kliyan yo, prezantatè ki envite yo, vizitè.

Kesyon/Kòmantè

Èske gen kesyon pou patisipan yo?

Di prezantatè a mèsi.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 13:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Dokiman pou etidye Poukont ou

Ansanm Dokiman pou etidye poukont ou

Eske gen kesyon oubyen komantè sou Ansanm Dokiman pou etidye lakay la?

Liv Anketè a Egzèsis pou Revizyon Egzèsis pou diminye kantite repons ki absan yo

Preparasyon

Map mande pou tout moun pran mateyèl nou te resevwa pou travay lakay nou yo kounye a. Nou pral itilize dokiman sa yo pandan fòmasyon an jodia.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 14:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Objektif fòmasyon an jodia

Objektif fòmasyon an jodiaPPT 7

1. Egzèsis pou konprann Ankèt Alfabetizasyon pou <<Peyi>>

M … Poukisa nap fè Ankèt sa a?

Pou jwenn enfòmasyon sou kijan distribisyon konesans sou alfabetizasyon an fèt epi konsa pou konnen ki zòn ta pi bezwen genyen kanpay alfabetizasyon.

M … Kiyès nap fè pase entèvyou yo?

Moun ki rezide, de 16 jiska 65 an.

M … Kibò nap fè Ankèt sa a?

Nan plizyè kominote – nou ta vle gen yon bon echantiyon de tout moun nan kategori sa yo: laj, sèks ak edikasyon.

M … Kilè nap fè Ankèt sa a?

<<Dat nap kòmanse mande enfòmasyon>> jiska <<Dat nap sispann mande enfòmasyon>>

M … Kijan nap fè Ankèt la – ki metòd?

Nap fè entèvyou endividyèl epi nap itilize Papye ak Kreyon pou fè Entèvyou yo (Entèvyou Papye ak Kreyon)/[Paper and Pencil Interview (PAPI)]

2. Egzèsis pou ou santi ou alèz ak definisyon ak tout konsèp Ankèt la

M … Kisa Alfabetizasyon ye?

Konesans ou dwe genyen pou ou ka konprann tèks ou jeneralman jwenn nan travay ou, lakay ou oubyen ankò nan kominote ou.

M … Poukisa nou mande moun kap reponn kesyon yo enfòmasyon sou Istwa yo?

Kesyonè Referans gen pou objektif jwenn enfòmasyon sou tout faktè ki sipoze gen relasyon ak sa yon moun dwe konnen pou w ka konn li.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 15:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Swit Objektif fòmasyon an jodia a, PPT 7

3. Pou w ka vinn alèz ak diferan pati Ankèt la

M … Ki pati Ankèt la genyen?

Kontak/Antre, Kesyonè Fanmi an, Kesyonè Referans. Ti Liv Kesyon Seleksyon, Ti Liv Repè oubyen Ti Liv Prensipal, Egzèsis Lekti, Sòti.

M … Èske nou bay tout moun kap reponn kesyon Egzèsis Lekti a?

Non – Sèlman moun ki gen 05 oubyen mwens pwen, ak 06 jiska 15 pwen lè yo fè egzèsis ki nan Ti Liv Kesyon Seleksyon a ka fè Egzèsis Lekti yo.

4. Pou w aprann kijan pou w fè pase entèvyou yo

M … Kijan ou dwe fè premye kontak ak moun kap reponn kesyon yo?

Entèvyou endividyèl

M … ki etap ou dwe swiv lè wap fè yon entèvyou?

Fè egzèsis ki nan liv yo, konte pwen pou repons yo, anrejistre rezilta yo

5. Kijan pou diminye kantite kantite repons ki absan yo

M … Kijan pou nou diminye kantite repons ki absan yo

o Fòk ou konnen Ankèt la

o Revize Egzèsis pou diminye Non-Repons pou kesyon ak repons yo, epi

o Revize Liv Anketè a – Kisa pou ou fè lè ou nan yon sitiyasyon ki difisil

Nou gen pou objektif pou nou ba ou tout enfòmasyon, materyèl, ak fòmasyon ou bezwen pou ou ka fè pase entèvyou yo ak siksè.

Kesyon/ Komantè Eske gen yon bagay anpatikilye ou ta renmen aprann nan fòmasyon an jodia?

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 16:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Objektif Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi >> A

Objektif Ankèt Afabetizasyon <<Non Peyi>> a, PPT 8, 9

Objektif Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a se:

Ede Gouvènman <<Non Peyi>> a fè yon bon jan evalyasyon de diferan nivo alfabetizasyon popilasyon ki soti 16 rive 65 an;

Jwenn solisyon ak konsèy ki pratik pou diminye kantite moun ki pa konn li ak ekri epi pou fini ak pwoblèm sa nèt;

Anrejistre enfliyans konesans genyen sou mache travay la, sante, edikasyon ak siksè sosyal;

Fè yon pwofil sou konesans jèn soti 16 rive 25 an. Sa bay bon jan enfòmasyon sou nivo edikasyon jèn sa yo ki fenk kite lekòl, keseswa sa ki gradye oubyen sa ki te kite nan wout;

Fè pwofil alfabetizasyon zòn ki piti pou pwogram yo ka byen planifye epi distribiye nan zòn sa yo;

Ogmante nivò alfabetizasyon popilasyon an pou nivo sosyal, sante, ekonomik ak tout nivo lavi yo ka ogmante tou epi fè pou tout moun konn li ak ekri.

Egzèsis 1 ki pou fèt nan klas la

Ekri ak pwòp mo pa ou kisa objektif Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a ye.

Pran kòm referans objektif Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a ki nan Liv Anketè a ak tout lòt materyèl ou genyen ki ka ede w.

Eseye fè pou repons ou yo kout Tan – 10 minit Mande chak elèv yo reponn byen fò.

Komantè/ Kesyon Eske nou gen kesyon sou objektif Ankèt la?

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 17:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Oganizasyon Jeneral Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a

PatenaryaPPT 10

M … Kiyès ki travay ansanm sou Ankèt sa a?

<<Patnè>>

ItilizasyonPPT 11

M … Ki prensipal objektif Ankèt sa a?

Pou ede devlope politik ak pwogram kap ede ogmante nivo konesans, epi

Idantifye moun ki nan sitiyasyon difisil paske nivo alfabetizasyon yo two ba; konsa pwogram la ap ka pi spesifik pou ede yo amelyore konesans yo.

ItilizatèPPT 12

M … Ki premye moun kap itilize enfòmasyon sa yo?

Moun kap prepare pwogram o Moun sa yo ap itilize enfòmasyon Ankèt la kap di yo kijan nivo

alfabetizasyon ak nivo konesans chif yo ye nan mitan popilasyon an; enfòmasyon sa a ap ede yo develope politik ak pwogram ki ka amelyore nivo konesans yo epi konsa yap ka planifye pwogram nasyonal yo ki gen pou objektif amelyore nivo alfabetizasyon (yo dwe idantifye pi bon metòd yo tou)

Ofisyèl nan nivo lokal/kominotè o Pou amelyore edikasyon pou granmoun ak lòt pwogram

alfabetizasyon; Biznis ak òganizasyon ki travay nan edikasyon

o Pou pi byen konprann konesans popilasyon ki ka travay la genyen; konsa ya ka planifye pwogram kap pran nivo yo an konsiderasyon;

Ajans Byennèt Sosyal ak lòt ajans ki gen relasyon avèk yo, sosyete sivilo Pou ede idantifye moun/fanmi ki nan sitiyasyon difisil poutèt nivo

alfabetizasyon yo; konsa pwogram yo ap pran yo an konsiderasyon pou yo ka amelyore konesans yo;

Chèchè ak lot itilizatè o Pou enfòme piblik la sou resanblans ak diferans ki genyen nan

alfabetizasyon granmoun nan diferan peyi.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 18:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Popilasyon nou vle kontakte aPPT 13

Distribisyon echantiyon PPT 14

M … Ki popilasyon nou vle kontakte?

Popilasyon nou vle kontakte a se moun ki rezide, ki gen soti 16 jiska 65 lane, kap viv nan kay oubyen apatman prive yo nan lè Ankèt la ap fèt.

M … Kiyès ki pap ladan l?

Moun kap viv nan entitisyon – prizon, lopital, moun kap viv nan enstitisyon pou moun ki granmoun oubyen nan lospis, etc.

Nivo Repons/ EchantiyonPPT 15

M … Ki nivo repons la?

85% ka ki fini

M … Kibò echantiyon an sòti?

<<Ou dwe mete Tablo Echantiyon an>>

Metòd pou rasanble enfòmasyonPPT 15

M … Ki metòd ki itilize pandan Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a pou rasanble enfòmasyon?

Metòd kote nou itilize papye ak kreyon pou entèvyou a [Paper and Pencil Interviewing (PAPI)].

M … Kijan ou fè premye kontak la?

Ou dwe eseye al lakay moun lan pou vizite li lè wap fè premye kontak la.

M … Eske nou aksepte lòt moun ede moun kap pase entèvyou yo?

Non. Pa ka genyen yon lòt moun nan kay la kap ede moun kap pase entèvyou a fè Ti Liv Kesyon Seleksyon an, Ti Liv Repè a oubyen Ti Liv Prensipal la ak Egzèsis Lekti yo.

M … Eske ka genyen yon entèprèt pandan ankèt la ap fèt?

Non. Pa ka genyen entèprèt ki pou ede fè Ti Liv Kesyon Seleksyon an, Ti Liv Repè a, Ti Liv Prensipal la ak Egzèsis Lekti yo.

Rès la nan paj ki annapre a

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 19:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Peryòd kote w ap pran enfòmasyon yoPPT 15

M … Pandan ki peryòd nap kòmanse epi fini pran enfòmasyon yo?

Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a dwe kòmanse <<Dat li kòmanse a>> e lap fini << Dat li Dwe Fini a>>.

Komantè/ Kesyon Èske genyen kesyon sou Òganizasyon Jeneral Ankèt la?

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 20:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Ti Liv Kesyon Seleksyon (21 kesyon)

Ti Liv Repè a(49 Kesyon)

Ti Liv Prensipal la(57 kesyon)

Egzèsis Lekti yo- Tès Vokabilè ki itilize foto- Tès kote ou di non otomatikman epi vit- Tès sou Efikasite pou li mo- Tès memwa sou chif- Eple

Sòti

Kantite Pwen Ti Liv Kesyon Seleksyon a

05 oubyen mwens

Kantite Pwen Ti Liv Kesyon Seleksyon a

06 jiska 15

Kantite Pwen Ti Liv Kesyon Seleksyon a

16 oubyen plis

Kesyonè sou Istwa Fanmi a

Kontak/Antre (Kesyonè sou Fanmi an)

Dewoulman Ankèt la

Dewoulman Ankèt laPPT 16, 17

Tout moun kap reponn kesyon yo ap gen pou pran Kesyonè sou fanmi an (Kontak/Antre), Kesyonè Referans, Ti Liv Kesyon Seleksyon an, epi Sòti a.

Tout moun ki fè de 06 jiska 15 pwen nan Ti Liv Kesyon Seleksyon an dwe fè egzèsis Ti Liv Repè a. Tout moun ki fè 16 pwen oubyen plis ap gen pou fè egzèsis Ti Liv Prensipal la. Moun ki fè 05 pwen oubyen mwens nan Ti Liv Kesyon Seleksyon an pa ka fè egzèsis ki nan Ti Liv Repè a ni sa ki nan Ti Liv Prensipal la.

Moun ki fè 05 pwen oubyen mwens, oubyen ki fè de 06 jiska 15 pwen nan Ti Liv Kesyon Seleksyon an dwe fè Egzèsis Lekti yo. Moun ki fè 16 pwen oubyen plis pa dwe fè Egzèsis Lekti yo.

Kòmantè/ Kesyon Èske gen kesyon sou Dewoulman Ankèt la?

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 21:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Diferan Pati Ankèt la

KontakPPT 18

Premye Kontak la dwe fèt pandan yon vizit lakay moun kap reponn kesyon an.

M … Ki etap pou ou swiv pandan premye kontak la?

Prezante Anketè a Konfime epi ekri adrès ak nimewò telefòn fanmi ki chwazi a Fè yon tablo ak non moun ki nan fanmi an kòm si yo se yon gwoup Itilize Griy Seleksyon Endividyèl la pou ou ka chwazi yon moun nan

mitan fanmi a ki pral fè entèvyou a, epi Pran yon randevou pou ka fè yon entèvyou endividyèl avèk li

M … Kisa ki etap Antre a?

Prezante Ankèt la Bay enfòmasyon sou kiyès ki pral sèvi ak enfòmasyon Ankèt la ak tout sa

ke yap ka fè ak enfòmasyon Ankèt lan Bay enfòmasyon sou konfidansyalite, epi Fè yo reponn kesyon sou fanmi yo. <<ou ka deside pa fè etap sa si ou vle

nan moman sa a>>

M … Kibò wap jwenn enstriksyon sou kijan ou dwe fè Etap Kontak/Antre a?

Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la genyen Enstriksyon Espesyal pou Anketè a ak Enstriksyon yo dwe li bay moun ka reponn kesyon yo.

M … Konbyen tan Etap Antre a ta dwe pran?

Etap Antre a ta dwe pran 10 minit.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 22:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Kesyonè Referans PPT 19

M … Eske tout moun ki nan fanmi an dwe fè Kesyonè Referans a?

Non, se sèlman moun ou chwazi a ki dwe fè Kesyonè sa a.

M … Konbyen pati Kesyonè sa a genyen e ki kalite enfòmasyon wap mande nan etap sa a?

Genyen 9 pati:

1 Enfòmasyon Jeneral

2 Enfòmasyon sou Lang

3 Enfòmasyon sou Paran

4 Aktivite sou Anplwa

5 Itilizasyon Konesans Li ak Ekri yo genyen nan Travay yo

6 Patisipasyon nan nivò Edikasyon ak Fòmasyon

7 Itilizasyon Konesans Li ak Ekri Anjeneral, Kapital Sosyal ak Byennèt

8 Konesans sou Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon

9 Enfòmasyon sou Fanmi an ak Reveni

M … Kibò ou jwenn enstriksyon sou kijan ou dwe fè pase Kesyonè Referans a?

Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la genyen Enstriksyon Espesyal pou Anketè a ak Enstriksyon yo dwe li bay moun kap reponn kesyon yo.

M … Konbyen tan Kesyonè Referans a ta dwe pran?

Kesyonè Referans a ta dwe pran 30 minit.

Rès la nan paj ki annapre a

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 23:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Ti Liv Kesyon SeleksyonPPT 20

M … Kijan yo dwe fè egzèsis Ti Liv Kesyon Seleksyon a?

Tout moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo dwe fè Ti Liv sa (Entèvyou ki fèt ak Papye ak Kreyon).

Nnn menm tan, Anketè a ap itilize Fèy pou konte Pwen ki vini ak Ti Liv Kesyon Seleksyon an pou konte pwen pou chak tès yo. Moun kap reponn kesyon yo dwe byen konprann kijan ou fè pou konte pwen yo.

M … Kibò ou jwenn enstriksyon sou kijan ou dwe fè pase Tès Seleksyon an?

Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la genyen Enstriksyon Espesyal pou Anketè a ak Enstriksyon yo dwe li bay moun kap reponn kesyon yo.

M … Konbyen tan Ti Liv Kesyon Seleksyon an ta dwe pran?

Ti Liv Kesyon Seleksyon an ta dwe pran 12 minit.

Ti Liv Repè a oubyen Ti Liv Prensipal laPPT 21

M … Kijan ou dwe seleksyone Ti Liv la pou chak moun kap reponn yo?

Moun ki fè 06 jiska 15 pwen nan Ti Liv Kesyon Seleksyon an dwe fè Ti Liv Repè a.

Moun ki fè 16 pwen oubyen plis nan Ti Liv Kesyon Seleksyon an dwe fè Ti Liv Prensipal la.

Moun ki fè 05 oubyen mwens pwen nan Ti Liv Kesyon Seleksyon an pa dwe fè ni Ti Liv Repè a ni Ti Liv Prensipal la.

M … Kibò ou jwenn entriskyon ou dwe li bay moun kap reponn kesyon yo?

Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la genyen Enstriksyon Espesyal pou Anketè a ak Enstriksyon yo dwe li bay moun kap reponn kesyon yo.

M … Konbyen tan Ti Liv Repè a oubyen Ti Liv Prensipal la ta dwe pran?

Ti Liv Repè a oubyen Ti Liv Prensipal la ka pran 45 jiska 50 minit.

Rès la nan paj ki annapre a

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 24:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Egzèsis LektiPPT 22

M … Ki Kantite Egzèsis Lekti ki genyen? Eske ou ka di non yo?

1. Tès Vokabilè ki Itilize Foto2. Tès kote ou Di Non yo Vit e Otomatikman 3. Tès sou Efikasite pou Li Mò 4. Tès Memwa Chif (2)5. Eple

M … Kibò ou jwenn enstriksyon ou dwe li bay moun kap reponn kesyon yo?

Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la genyen Enstriksyon Espesyal pou Anketè a ak Enstriksyon yo dwe li bay moun kap reponn kesyon yo.

M … Konbyen tan Egzèsis Lekti yo ta dwe pran?

Egèsis Lekti yo ta dwe pran 40 minit.

Tès Vokabilè ki itilize fotoPPT 23

M … Kijan yo dwè fè Tès Vokabilè ki itilize foto a?

W ap montre moun kap reponn kesyon yo kat diferan foto nan chak paj Kaye Vokabilè ak Foto a.

Lè ou montre yon paj kaye a, ou dwe li mo ki dekri youn nan foto yo. Moun kap reponn nan dwe montre ki foto ki reprezante mo sa a. W ap ekri repons li a nan Tès Vokabilè ki itilize foto a - Fèy Komantè

Anketè a. Si moun kap reponn nan bay 8 move repons, egzèsis la fini.

Tès kote ou di Non yo vit e otomatikman PPT 24

M … Kijan ou dwe fè pase Tès sa a?

Ou dwe itilize yon machin anrejistreman pou fè tès sa a. Wap mande moun kap reponn kesyon yo pou l li osi vit ke li kapab de (2)

lis lèt alfabè ki nan Kat Egzèsis Lekti yo. Repons la dwe anrejistre sou machin anrejistreman an e ou dwe ekri

konbyen tan li pran pou li reponn (45 segond).

Tès sou Efikasite pou li moPPT 25

M … Kijan ou dwe fè pase Tès sa a?

Ou dwe itilize yon machin anrejistreman pou fè tès sa a. Wap mande moun kap reponn kesyon yo pou l li osi vit ke li kapab kat

(4) lis mo ki nan Kat Egzèsis Lekti yo. Repons lan dwe anrejistre sou machin anrejistreman an e ou dwe ekri

konbyen tan li pran pou li reponn (45 segond).

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 25:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Rès la nan paj ki annapre a

Tès Memwa Chif Annavan/ArebouPPT 26

M … Kijan ou dwe fè pase Tès sa yo?

Ou dwe itilize yon machin anrejistreman pou fè pase tès sa yo. Moun kap reponn nan dwe fè 2 travay

Repete yon ansanm chif annavan, pa egzanp 1-3-5, repete 1-3-5 Repete yon ansanm chif arebou, pa egzanp 1-3-5, repete 5-3-1

Wap make repons li a nan Fèy Komantè Anketè a – Tès Memwa Chif Annavan/Arebou.

Si moun nan fè 2 move repons pandan yon esè, egzèsis la fini. Repons lan dwe anrejistre nan machin anrejistreman an e ou dwe ekri

konbyen tan li pran pou li reponn (60 segond).

EplePPT 27

M … Kijan ou dwe fè pase Egzèsis pou Eple a?

Wap li yon mo bay moun kap reponn kesyon yo, epi apre wap li yon fraz ki gen mo sa a ladanl.

Wap repete mo a epi wap mande moun nan ekri mo a sou Fèy Repons pou Egzèsis Eple a.

SòtiPPT 28

Se denye etap entèvyou endividyèl yo. Depi tout lòt seksyon yo fini, wap bay epi wap make yon Kòd Rezilta Final pou ka sa a; wap voye ka a bay Sipèvizè/<<Biwo Egzekitif Ankèt la>>.

Komantè/ Kesyon Eske genyen kesyon sou Etap Ankèt yo?

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 26:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Materyèl ak Founiti

Jeneral Wap itilize materyèl ak founiti wap resevwa anvrak yo lè:

W ap kontakte moun ki seleksyone yo, W ap fè entèvyou yo, epi Lè wap ajoute enfòmasyon oubyen lè wap voye materyèl Ankèt la.

Tout lis founiti yo make anba a.

An nou pale de kèk founiti kounye a.

Lis FounitiPPT 29, 30

Wap resevwa bagay sa yo lè wap kontake moun epi lè wap fè entèvyou ak moun ki seleksyone yo:

Gid Anketè sou Kijan pou fè Ankèt la Lis Kontwòl Egzèsis yo Kat Repons Kesyonè sou Iswa Kalandriye Sak Anketè a: Kreyon 2B, Gòm, Egizwa Kesyonè sou Kontrandi Anketè a Lèt Prezantasyon Nòt pou Anonse Vizit Ansanm materyèl pou aprann chif – Kalkilatris, Foto, Règ. Griy Seleksyon Endividyèl/Fèy Pousantaj Echantiyon Kaye pou Tès Vokabilè ki itilize Foto – Vèsyon Kout Kat Egzèsis Lekti (6) Kat Referans Anvlòp moun kap reponn nan genyen:

o Kesyonè Referanso Fòmilè pou Chanjman Adrès o Tès Memwa Chif Annavan/Arebou – Fèy Anrejistreman Anketè ao Ti Liv Kesyon Seleksyono Fèy pou anrejistre Pwen pou Ti Liv Seleksyon ano Kesyonè sou Fanmi ano Kaye Obsèvasyon ki fèt pandan Entèvyou ao Ti Liv Repè a oubyen Ti Liv Prensipal lao Rapò ki anrejistre Entèvyou ki pa fèt yoo Tès Vokabilè ki itilize Foto – Fèy Anrejistreman Anketè ao Lis pou Verifye Anvlòp moun kap reponn nano Fèy Repons pou Egzèsis Eple a

Machin Anrejistreman, Kasèt, Stikè pou kasèt yo, Pil an plis, kwonomèt

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 27:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Enstriksyon ki esplike chak etap sou kijan ou dwe bay Ti Liv Evalyasyon yo nan Entèvyou yo

M … Kisa ki objektif enstriskyon ki esplike chak etap sou kijan ou dwe bay Ti Liv Evalyasyon yo nan Entèvyou yo?

Anketè a dwe itilize Enstriksyon ki esplike chak etap sou kijan ou dwe bay Ti Liv Evalyasyon yo nan Entèvyou yo pou chak entèvyou. Enstriskyon li yo antre nan chak detay sou kijan ou dwe bay chak kesyonè yo, ak ti liv yo epi egzèsis yo; li bay tou entriksyon ke ou dwe li bay moun kap reponn nan. Ou dwe genyenl avèk ou tout tan.

Lis Kontwòl Egzèsis yo

M … Kisa ki objektfi Liv Kontwòl Egzèsis la?

Anketè yo dwe itilize Lis Kontwòl Egzèsis yo pou jere chak ka. Enfòmasyon ki nan rapò sa a se yon rezime de Pwogrè ak Depans Rapò a; Sipevizè a dwe resevwa li chak lendi.

Enfòmasyon kap swiv yo dwe anrejistre nan Lis Kontwòl Egzèsis yo: Idantite Moun kap reponn kesyon yo Adrès ak Nimewò telefòn fanmi ki seleksyone a Kòd Rezilta pou Kontak sa a Kòd Rezilta Final Nimewo Transmisyon Dat ou voye li bay Sipèvizè/ <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>, epi Tout lòt kòmantè

Kat Repons Kesyonè Referans

M … Kisa ki objektif Kat Repons Kesyonè Referans a?

Anketè a dwe itilize Kat Repons Kesyonè Referans lè lap bay fè Kesyonè Referans. Li gen repons pou chak kategori kesyon.

Kalandrye M … Kisa ki objektif Kalandrye a?

Anketè a dwe itilize Kalandrye a lè la bay fè Kesyonè Referans a. Lap itilize li kòm dokiman referans lè lap chache egzèsis ki te fèt anvan.

Fòmilè pou Chanjman Adrès

M … Kisa ki objektif Fòmilè pou Chanjman Adrès la?

Anketè a dwe itilize Fòmilè pou Chanjman Adrès la si youn nan moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo dwe chanje adrès pandan peryòd kote lap pran enfòmasyon yo.

Rès la nan paj ki annapre a

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 28:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Tès Memwa Chif Annavan/Arebou – Fèy Anrejistreman Anketè a

M … Kisa ki objektif Tès Memwa Chif Annavan/Arebou – Fèy Anrejistreman Anketè a?

Tès Memwa Chif Annavan/Arebou – Fèy Anrejistreman Anketè a dwe itilize lè Anketè a ap anrejistre repons moun kap fè egzèsis sa yo; lap anrejistre ki repon ki pat bon tou.

M … Apre konbyen move repons ou dwe kanpe egzèsis sa a?

Apre 2 move repons pandan yon esè, egzèsis la fini.

Fèy Rezilta pou fè Seleksyon

M … Kisa ki objektif Fèy Rezilta pou fè Seleksyon an?

Anketè a dwe itilize Fèy Rezilta pou fè Seleksyon an pou anrejistre/make pwen moun nan fè pou egzèsis Ti Liv Kesyon Seleksyon an.

Kesyonè sou Fanmi an

M … Kisa ki objektif Kesyonè sou Fanmi an?

Anketè a dwe itilize Kesyonè sou Fanmi an nan Etap Ankèt la ki se Kontak/Antre. Li itilize li pou:

Anrejistre tout esè pou kontakte fanmi an oubyen moun ki seleksyone a, Fè yon gwoup ak tout moun fanmi an ki seleksyone a epi kap viv ansanm, Chwazi yon moun nan fanmi an pou entèvyou a, Make dat, lè, kòd rezilta entèvyou a, epi Poze yon kategori kesyon nan kesyonè sou fanmi an.

Kaye Obsevasyon sou Entèvyou a

M … Kisa ki objektif Kaye Obsevasyon sou Entèvyou a?

Anketè a dwe itilize Kaye Obsèvasyon sou Entèvyou a pou enfòme sou tout difikilte li rankontre pandan lap fè entèvyou a.

Kesyonè sou Kontrandi Anketè a

M … Kisa ki objektif Kesyonè sou Kontrandi Anketè a?

Se Anketè a ki dwe fè Kesyonè sou Kontrandi Anketè a. Kesyonè sa poze kesyon sou eksperyans ou pandan Ankèt la ak sou tout pwoblèm ou ka rankontre pandan wap fè entèvyou yo. Repons ou yo pral itilize pou fè pi bon pwosedi, liv ak fòmasyon.

Rès la nan paj ki annapre a

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 29:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Lèt Prezantasyon M … Kisa ki objektif Lèt Prezantasyon an?

<<Biwo Egzekitif Ankèt la>> ap prepare Lèt Prezantasyon yo. Anketè yo ap bay Lèt Prezantasyon an lè yap fè premye vizit yo lakay fanmi an. Lèt sa a gen pou objektif pou li prezante Ankèt la bay fanmi an oubyen moun ki seleksyone a.

Fòmilè pou verifye Materyèl ki Remèt yo

M … Kisa ki objektif Fòmilè pou verifye Materyèl ki Remèt yo?

Anketè yo itilize Fòmilè sa a lè yo dwe remèt dokiman ak materyèl yo pa itilize bay <<Biwo Egzekitif Ankèt la>> lè Ankèt la fini.

Rapò ki anrejistre Entèvyou ki pa fèt yo

M … Kisa ki objektif Rapò ki anrejistre Entèvyou ki pa fèt yo?

Anketè, Sipèvizè epi/oubyen <<Biwo Egzekitif Ankèt la>> itilize Rapò sa a pou esplike tout ka kote entèvyou a pat ka fèt; yo di tou si yo te eseye yon lòt fwa fè entèvyou a.

Nòt pou Anonse Vizit

M … Kisa ki objektif Nòt pou Anonse Vizit la?

Anketè a itilize Nòt pou Anonse Vizit la pou enfòme moun kap reponn kesyon an li te pase wèl pandan li pat la e ke lap tounen yon lòt lè.

Ansanm Materyèl pou w aprann Chif

M … Kisa ki Ansanm Materyèl pou w aprann Chif la?

Kalkilatè – Moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo kap itilize li pou fè kèk nan egzèsis ki nan Ti Liv Prensipal la oubyen Ti Liv Repè a.

Foto 24 Moun – Moun ki seleksyone a ka itilize yo pou li fè kèk nan egzèsis ki nan Ti Liv Prensipal la oubyen nan Ti Liv Repè a.

Règ – Moun ki seleksyone a ka itilize li pou li fè kèk nan egzèsis ki nan Ti Liv Prensipal la oubyen nan Ti Liv Repè a.

M … Kilè moun kap reponn kesyon yo ka itilize Ansanm Materyèl pou w aprann chif yo?

Yo ka itilize Materyèl sa yo lè yap fè egzèsis ki nan Ti Liv Kesyon Seleksyon an, Ti Liv Repè a epi/oubyen Ti Liv Prensipal la.

Rès la nan paj ki annapre a

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 30:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Griy Seleksyon Endividyèl/ Fèy Pousantaj Echantiyon

M … Kisa ki Objektif Griy Seleksyon Endividyèl/ Fèy Pousantaj Echantiyon a?

Anketè a dwe itilize Griy Seleksyon Endividyèl/Fèy Pousantaj Echantiyon an lè lap seleksyone yon moun nan mitan yon fanmi. Li enfòme anketè a sou konbyen ka ki dwe genyen, lè ou konsidere laj, sèks ak edikasyon.

Kaye Vokabilè ki itilize foto – Vèsyon Kout

M … Kisa ki objektif Kaye Vokabilè ki itilize foto – Vèsyon kout la?

Kaye Vokabilè ki itilize foto – Vèsyon Kout la se yon materyèl ke anketè a itilize pou li fè moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo fè egzèsis Vokabilè ki itilize foto a.

Tès Vokabilè ki itilize foto a – Fèy Anrejistreman Anketè a

M … Kisa ki objektif Fèy Anrejistreman ki vini ak Tès Vokabilè ki itilize foto a?

Anketè a itilize Fèy Anrejistreman sa pou anrejistre repons moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo lè lap fè egzèsis Vokabilè ki itilize foto yo; li make tou ki repons ke moun sa a bay ki pa bon.

M … Apre konbyen move repons ke ou dwe kanpe egzèsis sa a?

Apre 8 move repons, egzèsis la fini.

Rapò sou Pwogrè ak Depans

M … Kisa ki objektif Rapò sou Pwogrè ak Depans la?

Anketè/Sipèvizè/<<Biwo Egzekitif Ankèt la>> ap itilize Rapò sou Pwogrè ak Depans pou anrejistre pwogrè ak depans pou chak ka yo. Anketè a dwe ranpli rapò sa a chak lendi epi lap voyel bay sipèvizè a.

Kat Referans M … Kisa ki objektif Kat Referans la?

Anketè a itilize Kat Referans la tankou yon dokiman referans. Li genyen enfòmasyon enpòtan sou ankèt la.

Kat Egzèsis Lekti (6)

M … Kisa ki objektif Kat Egzèsis Lekti yo?

Anketè a itlize Kat Egzèsis Lekti (6) yo pou li fè moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo fè Egzèsis lekti ki annapre yo. 1. Tès kote ou di non yo vit e otomatikman– 2 Kat2. Tès sou Efikasite pou li mo– 4 Kat

Rès la nan paj ki annapre aGid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 31:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Anvlòp moun kap reponn kesyon an

M … Kisa ki objektif Anvlòp moun kap reponn kesyon an?

Pou chak ka, ou dwe genyen yon anvlòp pou moun kap reponn kesyon an. Anvlòp sa (ki deja prepare nan <<Biwò Egzekitif Ankèt la>>) genyen materyèl sa yo: Kesyonè Referans Fòmilè pou Chanjman Adrès Tès Memwa Chif Annavan – Fèy Anrejistreman Anketè a Tès Memwa Chif Arebou – Fèy Anrejistreman Anketè a Ti Liv Kesyon Seleksyon Fèy Rezilta Ti Liv Kesyon Seleksyon Kaye Komantè Anketè a Ti Liv Repè oubyen Ti Liv Prensipal Rapò ki Anrejistre Entèvyou ki pa fèt yo Tès Vokabilè ki itilize foto – Fèy Anrejistreman Anketè a Lis pou verifye Anvlòp Moun kap reponn kesyon yo Fèy Respon pou Egzèsis Eple

Lis pou verifye Anvlòp Moun kap Reponn kesyon an

M … Kisa ki objektif Lis pou Verifye Anvlòp Moun kap Reponn kesyon an?

Anketè yo, Sipèvizè yo ak <<Biwò Egzekitif Ankèt la>> itilize Lis sa pou anrejistre/kontwòle tout materyèl ki nan Anvlòp Moun kap reponn nan.

Fèy Repons Egzèsis Eple

M … Kisa ki objektif Fèy Repons Egzèsis Eple?

Moun ki seleksyone pour reponn kesyon yo dwe itilize Fèy sa a pou li anrejistre repons li yo lè lap fè Egzèsis Eple a.

Machin Anrejistreman, Kasèt, Stikè, epi Kwonomèt

M … Kisa ki objektif machin anrejistreman, kasèt, stikè ak kwonomèt?

Anketè a itilize machin anrejistreman ak kwonomèt la lè lap fè pase kèk nan Egzèsis Lekti yo. Wap resevwa yon kantite kasèt ak stikè, avèk pil an plis tou. Ou dwe mete machin anrejistreman yon kote oubyen yon jan pou li pa gen pwoblèm.

Fòmilè pou Transmisyon

M … Kisa ki objektif Fomi1è pou Transmisyon an?

Anketè ak Sipèvizè a itilize Fòmilè pou Transmisyon an chak fwa yo voye kesyonè ki ranpli yo oubyen materyèl ankèt la bay <<Biwò Egzekitif Ankèt la>>.

Rès la nan paj ki annapre a

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 32:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Ensktriksyon pou Anketè konsènan etap pou yo fè ranpli Ti Liv Evalyasyon an

Entwodiksyon ak Vizyon JeneralPPT 31

M … Detaye sis pati ki nan Enstriksyon pou Anketè konsènan etap pou yo fè ranpli Ti Liv Evalyasyon an.

Kontak/Antre (Kesyonè sou Fanmi) Kesyonè Referans Ti Liv Kesyon Seleksyon Ti Liv Repè oubyen Ti Liv Prensipal Egzèsis Lekti, epi SòtiM … Eske ou bezwen itilize Enstriksyon pou Anketè konsènan etap pou fè ranpli Ti Liv Evalyasyon an pou chak entèvyou?WI – Toujou sonje pote li lè ou pral vizite fanmi ki seleksyone a.

Gid sa genyen enstriksyon pou ou, Anketè a, pou ou itilize lè wap fè moun fè egzèsis sa yo: Kontak/Antre (Kesyonè sou Fanmi) Kesyon Referans, Ti Liv Kesyon Seleksyon, Ti Liv Repè oubyen Ti Liv Prensipal, Egzèsis Lekti epi Sòti.

Li enpòtan pou w swiv enstriksyon sa yo pou travay yo ka fèt menm jan.

Rèkòmandasyon pou Fòmataj Jeneral Tèks la

Lis ki annapre a se bagay ou dwe sonje lè wap itilize Enstriksyon ki esplike Anketè yo etap pou yo fè Ankèt la

Tout tèks ou dwe li bay moun kap reponn kesyon yo ekri ak karaktè gra Desen ‘liv’ la-

- Tèks ou dwe li bay moun kap reponn kesyon an. - enstriksyon pou anketè a ekri sou fòm yon tèks nòmal

Desen ‘kreyon’ an ap montre pwosedi Anketè a dwe swiv. Desen ‘mayetofòn’ nan ap montre itilizasyon mayetofòn nan. Desen ‘kwonomèt’ la ap montre itilizasyon kwonomèt la.

Etap Ankèt la Enstriman Responsab Anrejistreman Repons:

Responsab konte pwen:

1. Tès Vokabilè ki itilize foto

Anketè Anketè

2. Tès apelasyon rapid ak otomatik

Mayetofòn << Biwo Egzekitif

Ankèt>>

3. Tès pèfòmans pou li mo

Mayetofòn << Biwò Egzekitif

Ankèt >>

4. Tès Memwa Chif Mayetofòn Anketè

5. Eple Moun kap reponn Anketè

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 33:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Etap Ankèt la

Premye Kontak

Etap 1:PPT 32

M … Kisa ki premye etap la?

Fè premye kontak la– fè yon lis epi seleksyone moun kap reponn kesyon yo.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Anketè a dwe al rankontre fanmi ki seleksyone an, fè yon lis moun ki nan fanmi an, seleksyone moun ki pral reponn kesyon yo epi pran randevou pou li ka fè entèvyou endividyèl ak moun ki seleksyone a.

Pran Gid Anketè a sou kijan pou fè Ankèt la kòm referans

Antre/Anrejistreman??

Etap 2:PPT 32

M … Ki etap ki annapre?

Fè moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo fè Antre a.

M … Eske ou ka esplike etap sa a?

Anketè a dwe fè yon entèvyou endividyèl ak moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo.

Pran Gid Anketè a sou kijan pou fè Ankèt kòm referans.

Kesyonè Referans

Etap 3:PPT 32

M … Ki etap ki annapre?

Fè moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo ranpli Kesyonè Referans la.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Bay moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo ranpli Kesyonè Referans la jan yo mande l nan Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 34:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Ti Liv Kesyon Seleksyon

Etap 4:PPT 32

M … Ki etap ki annapre?

Bay fè Ti Liv Kesyon Seleksyon.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Fòk ou li enstriksyon Ti Liv Kesyon Seleksyon an pou moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo epi mande li fè egzèsis ki nan Ti Liv Kesyon Seleksyon an jan yo mande l nan Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la.

Kontwòle pwen nan Ti Liv Kesyon Seleksyon

Etap 5:PPT 33

M … Ki etap ki annapre?

Kontwole pwen nan Ti Liv Kesyon Seleksyon an.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Kontwole pwen nan Ti Liv Kesyon Seleksyon an jan yo mande l nan Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la.

Ti Liv Repè oubyen Ti Liv Prensipal

Etap 6:PPT 33

M … Ki etap ki annapre?

Bay fè Ti Liv Repè a.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Fòk ou li enstriksyon Ti Liv Repè a oubyen enstriksyon Ti Liv Prensipal la bay moun kap reponn kesyon an epi mande li fè egzèsis ki nan Ti Liv Repè a oubyen ki nan Ti Liv Prensipal la jan yo mande l nan Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 35:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Tès Vokabilè ki itilize Foto

Etap 7:PPT 33

M … Ki etap ki annapre?

Bay fè Egzèsis Tès Vokabilè ki itilize Foto a.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Li enstriksyon Tès Vokabilè ki itilize foto yo bay moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo jan yo mande l nan Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la.

Anrejistre repons Tès Vokabilè ki itilize mo a

Etap 8:PPT 33

M … Ki etap ki annapre?

Anrejistre repons Egzèsis Tès Vokabilè ki itilize mo yo,

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Anrejistre respons Tès Vokabilè ki itilize mo yo jan yo mande l nan Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la.

Apre 8 move repons, egzèsis lan fini.

Tès Apelasyon rapid ak otomatik (RAN)

Etap 9:PPT 34

M … Ki etap ki annapre?

Bay fè Egzèsis ki nan Tès Apelasyon rapid ak otomatik.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Li enstriksyon Tès sa a bay moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo jan yo mande l nan Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la.

Egzèsis sa anrejistre sou bann mayetik epi li kwonometre. Moun kap reponn kesyon yo gen 45 segond pou l fini egzèsis sa.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 36:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Tès Pèfòmans pou li mo

Etap 10:PPT 34

M … Ki etap ki annapre?

Bay fè Egzèsis Tès Pèfòmans pou li mo.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Li entriksyon Tès Pèfòmans pou li mo a bay moun kap reponn kesyon yo jan yo mande l nan Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la.

Egzèsis sa anrejistre sou bann mayetik epi li kwonometre. Moun kap reponn kesyon yo gen 45 segond pou fini egzèsis sa.

Tès Memwa Chif Annavan/Arebou

Etap 11:PPT 34

M … Ki etap ki annapre?

Bay fè Tès Memwa Chif Annavan/Arebou.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Li enstriksyon TÈS MEMWA CHIF ANNAVAN/AREBOU bay moun kap reponn kesyon yo jan yo mande l nan Liv Anketè a.

Egzèsis sa anrejistre sou bann mayetik epi li kwonometre. Moun kap repon kesyon yo genyen 60 segond pou fini egzèsis la.

Anrejistre respons Tès Memwa Chif Annavan/Arebou

Etap 12:PPT 34

M … Ki etap ki annapre?

Anrejistre repons Tès Memwa Chif Annavan/Arebou yo.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Anrejistre respon Tès Memwa Chif Annavan/Arebou yo jan yo mande l nan Gid Anketè a sou kijan pou fè Ankèt la.

Apre 2 move repons pandan yon esè, egzèsis lan fini.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 37:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Eple

Etap 13:PPT 35

M … Ki etap ki annapre?

Bay fè Egzèsis Eple yo.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Li enstriksyon Egzèsis Eple a bay moun kap reponn kesyon yo jan yo mande l nan Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la.

Sòti

Etap 14:PPT 35

M … Ki etap ki annapre?

Fè Sòti.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Bay Ka sa yon Kòd Rezilta Final Di moun kap reponn kesyon an mèsi pou tan avèk èd li ba wou a.

Gade travay la ankò pou verifye si li konplè, byen fèt epi lizib.

Etap 15:PPT 35

M … Ki etap ki annapre?

Gade travay la ankò pou verifye si li konplè, byen fèt epi lizib.

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Gade lis pou verifye Anvlòp Moun kap reponn kesyon an pou konfime tout dokiman yo anpli, lizib epi tout la.

Verifye Nimewo Idantite ou bay Moun kap Reponn kesyon an ekri sou chak dokiman ki nan Anvlòp Moun kap reponn nan,

Fin ranpli Kaye Obsèvasyon sou Entèvyou a – Si li nesesè Fin ranpli Rapò ki anrejistre Entèvyou ki pat ka fèt la – si li nesesè Mete tout dokiman ankèt la nan Anvlòp Moun kap reponn kesyon an.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 38:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Kòd Stati Final

Etap 16:PPT 35

M … Ki etap ki annapre?

Bay yon Kòd Stati Final

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Bay ka a yon Kòd Rezilta Final. Aktyalize Lis Kontwòl Egzèsis yo Aktyalize Rapò sou Pwogrè ak Depans la epi enfòme Sipèvizè w. Di Moun kap reponn kesyon yo mèsi pou tan ak èd li ba wou a.

Voye dokiman yo bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la

Etap 17:PPT 36

M … Ki etap ki annapre?

Voye dokiman yo bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> <<Non Peyi>> a

M … Eske ou ka esplike etap sa?

Voye tout ka ki konplè yo bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la chak lendi. Ou dwe voye senk premye ka yo bay Sipèvizè ou pou li ka verifye si ankèt la respekte pwosedi yo.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 39:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Egzèsis

Egzèsis pou Revizyon

Egzèsis pou Revizyon

Revize repons Kesyon pou Revizyon yo ak Anketè yo. Diskite sou sa ki bay pwoblèm Distribiye kopi Egzèsis pou Revizyon an (ak repons yo)

Ou mèt bay fè Egzèsis pou Revizyon yo yon sèl kou oubyen ou ka fè yo fè yon pati chak jou pandan twa jou fòmasyon an.

Egzèsis pou diminye Repons ki absan

Egzèsis pou diminye Repons ki absan

Revize repons Egzèsis yo avèk Anketè pou diminye Repons ki absan yo. Pratike sitiyasyon difisil. Distribiye yon kopi Egzèsis pou diminye Repons ki absan (ak repons yo).

Ou mèt bay fè Egzèsis pou diminye Repons ki absan yo yon sèl kou oubyen ou ka fè yo fè l pandan wap fè Fo entèvyou yo.

Egzèsis sou Kòd Rezilta

Egzèsis sou Kòd Rezilta

Pran Liv Anketè a kom referan epi fè Rapò Vizit/Apèl yo pandan Fo entèvyou 1, 2 ak 3.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 40:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Egzèsis nan klas

Egzèsis nan klas 2

Prezantasyon Anketè a

Bay chak elèv yo 10 minit pou revize Prezantasyon Anketè a nan Liv Anketè a.

Epi mande chak elèv pou prezante tèt yo kòm si yo tap rankontre yon fanmi pou premye fwa.

Egzèsis nan klas 3

Etap Kontak/Antre

Egzèsis sa fè pratike reyalizasyon etap Kontak/Antre a.

Mete elèv yo de pa de.

Nan chak gwoup mande Anketè a pou yo fè elèv yo jwe wòl Anketè ak Moun yap kontakte a youn apre lòt.

Itilize Egzèsis pou diminye Repons ki absan pou w ka ‘vann ankèt la’.

Egzèsis nan klas 4

Kesyonè Referans

Egzèsis sa fè Anketè a alèz ak konsèp epi definisyon Kesyonè Referans lan.

Diskite ak gwoup la sou konsèp ak definisyon ki annapre yo.

Jeneral

o Ekivalan Tan Konplè, kou ratrapaj, niveau etid

Enfòmasyon sou Paran

o Titè

Enfòmasyon sou lang

o Lang matènèl moun nan li konprann .

Enfòmasyon sou Aktivite Pwofesyonèl

o Moun kap travay, ki pap travay pandan yon tan, kap chache travay, Travay Prensipal

Patisipasyon nan Edikasyon ak Fòmasyon

o Patisipasyon nan yon pwogam etid.

Konesans sou Teknoloji o Mwa Nòmal.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 41:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Egzèsis nan klas 5

Ti Liv Kesyon Seleksyon

Mete elèv yo de pa de.

Mande klas la pou li ba ou nan lòd, tout etap pwosedi yo dwe swiv apre yo fini ak Kesyonè Referans la, pou yo ka fè Moun kap reponn kesyon yo ranpli Ti Liv Kesyon Seleksyon an.

Bay klas la 10 minit pou l revize enstriksyon sou kijan yo dwe fè ranpli Ti Liv Kesyon Seleksyon an nan Liv Anketè a / Gid Anketè a sou kijan pou fè Ankèt la.

Apre 10 minit yo, mande klas la bay lis etap yo nan lòd, epi fè yon lis sou tablo a oubyen sou tablo fèy papye pòtatif la pandan yap bay repons yo.

Mande chak gwoup pou chak elèv gwoup la jwe wòl Anketè a ak Moun kap reponn kesyon yo youn apre lòt.

Moun kap jwe wòl Anketè a dwe egzèse li nan li Entrodiksyon Ti Liv Kesyon Seleksyon an byen fò, ansanm ak tout kesyon seleksyon yo. Menm jan tou, moun kap jwe wòl Anketè a dwe mete pwen pou repons moun kap reponn kesyon yo pandan moun nan ap reponn kesyon yo.

Egzèsis nan klas 6

Ti Liv Repè ak Ti Liv Prensipal

Mete elèv yo de pa de.

Mande klas la pou li bay, nan lòd, tout etap pwosedi yo dwe swiv apre yo fini ak Ti Liv Kesyon Seleksyon an, pou yo ka fè ranpli Ti Liv Repè oubyen Ti Liv Prensipal la.

Bay yo 10 minit pou yo ka revize enstriksyon sou kijan pou fè ranpli Ti Liv Repè oubyen Ti Liv Prensipal la nan Liv Anketè a/Gid Anketè sou kijan pou fè Ankèt la.

Apre 10 minit yo, mande klas la bay lis etap yo nan lòd, epi fè yon lis sou tablo a oubyen sou tablo fèy papye pòtatif la pandan y ap bay repons yo

Mande chak gwoup pou chak elèv gwoup la jwe wòl Anketè a ak Moun kap reponn kesyon yo youn apre lòt.

Moun kap jwe wòl Anketè a dwe dwe egzèse li nan li byen fò Entwodiksyon ak Enstriksyon Ti Liv Repè a oubyen Ti Liv Prensipal la.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 42:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Egzèsis nan klas 7

Egzèsis Lekti

Mete elèv yo de pa de.

Mande klas la pou li bay, nan lòd, tout etap pwosedi yo dwe swiv apre yo fini ak Ti Liv Repè oubyen Ti Liv Prensipal lan, pou yo ka bay Moun kap reponn kesyon yo fè Egzèsis Lekti yo.

Bay yo 15 minit pou yo ka revize enstriksyon sou kijan pou to fè Egzèsis Lekti yo nan Liv Anketè a/Gid Anketè a sou kijan pou fè Ankèt la.

Apre 15 minit yo, mande klas la bay lis etap yo, nan lòd epi fè yon lis sou tablo a oubyen sou tablo fèy papye pòtatif la pandan yap bay repons yo.

Mande gwoup yo pou chak moun nan gwoup la jwe wòl Anketè a ak Moun kap reponn kesyon yo youn apre lòt.

Moun kap jwe wòl Anketè a dwe egzèse li nan li ak vwa yo byen fò Entwodiksyon Egzèsis Lekti a.

Menm jan, moun kap jwe wòl Anketè a dwe mete pwen pou repons moun kap reponn kesyon Tès Vokabilè ki itilize Foto ak Tès Memwa Chif Annavan/Arebou pandan moun kap reponn kesyon yo ap repete repete ak ekri repons yo.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 43:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Fo entèvyou - Entwodiksyon

Jeneral 1) De anketè ap pwopoze tèt yo pou yo jwe wòl pandan fo entèvyou a. Youn ap anketè a epi lòt la ap moun kap reponn kesyon yo.

2) Yon apèsi sou rezime fo entèvyou a dwe fèt pou moun ki seleksyone pou reponn kesyon yo.

3) Anketè a dwe genyen yon Anvlòp pou Moun kap reponn kesyon yo.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 44:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Fo entèvyou #1

Fo entèvyou #1 Kounye a nou pral fè fo entèvyou #1

Kontak M … Kijan ou dwe fè premye kontak ak fanmi ki seleksyone a?

Ou dwe al vizite yo lakay yo pou premye kontak la.

Deskripsyon M … Kijan ou ta dekri ka sa ban mwen:

Idantite moun kap reponn kesyon yo 13501 Adrès: <<Fo entèvyou 1 Address>> Nimewò telefòn : 758-285-3057 Moun ki seleksyone a rele: Sherma Beroo-Joseph

Sherma pa anvi fè ankèt la – ou dwe vann li ankèt la.

Vann ankèt la M … Kijan ou vann ankèt la?

Ou dwe konnen objektif yo, kisa ki nan ankèt la, kiyès ki pral itilize l, ak tout lòt enfòmasyon sou Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a.

Fòk ou pare pou ou reponn kesyon jeneral oubyen ki spesifik sou Ajans Statistik wap travay pou li a epi avèk sou ankèt la tou.

Kontakte pi fò nan ka ou yo pandan premye semèn ranmasaj enfòmasyon yo; konsa wa genten wè ka ki gendwa pa ka fèt.

Pratike kijan ou ka fè moun ki pa anvi yo patisipe nan ankèt la.

Fòk ou asire ou moun ki pral reponn kesyon yo li Lèt Prezantasyon an ki esplike ankèt la.

Si moun ki seleksyone a di li twò okipe, eseye jwen lòt moun ki ka fè ankèt la nan plas li.

Ensiste sou jan patisipasyon yo enpòtan.

Si ou rankontre yon moun ki seleksyone ki pa vle patisipe ak tout fòs, eseye pran plis enfòmasyon ou kapab sou fanmi an. Sipèvizè w la va kontake fanmi an epi la eseye fè yo chanje desizyon yo a.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 45:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Fo entèvyou #1, Swit

Kesyonè sou Fanmi

Wap jwenn anba la repons ou dwe itilize lè w ap fè ranpli Kesyonè sou Fanmi an

S2 Pa gen moun ki pa nan kay la, ki ale lekòl, kap fè yon vizit, …S3 Wi genyen lòt moun kap viv nan kay la.H2 Bwa ak BetonH3 Kategori twalèt fanmi an itilize anjeneral – W.C. (twalèt ki floche) ki konekte ak yon fòs septik H4 Pwopriyetè (Kay la pa sou ipotèk)H5 3 Pyès – 2 ChanmH6 Kay la genyen bagay sa yo:

Televizyon Frijidè Machin pou lave rad Telefòn - selilè

Fou ak gaz Odinatè Entènèt

DVD Pleyè Machin Fè-a-repase

Kesyonè Referans

Wap jwenn anba la repons ou dwe itilize lè wap fè ranpli Kesyonè Referans la

Moun kap viv nan adrès sa Sherma Beroo-Joseph – <<Adrès Fo entèvyou 1>>Enfòmasyon Jeneral Sherma fèt 19 Dawout 1978 e li marye. Enfòmasyon Referans: Sherma gradye segondè, li genyen yon diplòm inivèsitè e kounye a lap etidye pou

yon mastè.Enfòmasyon sou Lang: Sherma ka pale Angle ak Patwa, men li sitou pale Angle.Enfòmasyon sou Paran Tou de paran Sherma travay ak pwòp tèt pa yo. Papa li pat fini ak lekol primè e

manman li te gradye segondè.Aktivite pwofesyonèl: Sherma ap travay pou gouvènman <<Non Peyi>>.Itilizasyon Konesans Li,Ekri ak Kalkil nan Travay: Sherma se yon Statistisyèn. Responsabilite prensipal li se kolekte enfòmasyon,

analize yo epi kalkile valè ajoute a. Patisipasyon nan Edikasyon ak Fòmasyon: Sherma ap etidye pou yon Mastè.Itilizasyon Konesans Li ak Ekri: Sherma li anpil jounal, liv ak revi. Konesans sou Teknoloji: Sherma toujou sou òdinatè – lap jwe oubyen lap fè rechèch.Enfòmasyon sou Fanmi ak Revni: Reveni fanmi Sherma se $6,000 chak mwa

Ti Liv Kesyon Seleksyon

Sherma reponn tout kesyon yo byen.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 46:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Ti Liv Prensipal Sherma eseye reponn tout kesyon yo.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 47:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Fo entèvyou #2

Fo entèvyou #2 Kounye a nou pral fè fo entèvyou #2

Kontak M … Kijan ou dwe fè premye kontak ak fanmi ki seleksyone a?

Ou dwe al vizite yo lakay yo pou premye kontak la

Deskripsyon M … Kijan ou ta dekri ka sa ban mwen:

Idantite moun kap reponn kesyon yo 13502 Adrès: <<Adrès Fo entèvyou 2>> Nimewò telefòn: 758-453-8582 Non moun ki seleksyone a: Mary Cecilia Alphonse

Mary pa vreman konn li – Wap oblije ankouraje li pou li kontinye nan chak etap ankèt la.

Sansibilite Fòk ou fè atansyon ak nivò alfabetizasyon moun kap reponn kesyon yo.

Rekonèt lè moun kap reponn kesyon yo ap chache defann tèt yo epi ankouraje yo pou yo patisipe oubyen pou yo kontinye.

Di yo plizyè fwa pa gen bon ni move repons

Prezante tèt ou yon jan pou yo wè ou pa yon menas epi ou pap jije yo.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 48:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Fo entèvyou #2, Swit

Kesyonè sou Fanmi

Wap jwenn anba la repons ou dwe itilize lè wap fè ranpli Kesyonè sou Fanmi an

S2 Pa gen moun ki pa nan kay la, ki ale lekol, kap ran vizit, kap vwayaje oubyen ki lopital e ki jeneralman abite kay sa. S3 Wi – gen lòt moun ki abite nan kay sa.H2 Materyèl konstriksyon pou mi ki deyo yo – PlywoodH3 Kategori twalèt prensipal ke fanmi an itilize - LatrinH4 Pwopryetè, kay la pa sou ipotèkH5 2 Pyès 1 ChanmH6 Kay la genyen bagay sa yo:

Televizyon Frijidè Machin pou lave rad Telefòn fiks

Telefòn - selilè

Entènèt Fou ak gaz

Odinatè DVD Pleyè Fè pou repase

Kesyonè Referans

Wap jwenn annapre repons ou dwe itilize lè wap bay fè Kesyonè Referans

Moun kap viv nan adrès sa: Mary – <<Adrès Fo entèvyou 2>> Enfòmasyon Jeneral : Mary fèt 4 Desanm 1969 e li selibatè. Enfòmasyon sou Istwa : Mary fè tout lekol primè li. Enfòmasyon sou lang : Mary ka pale Anglè ak Patwa men li sitou ka pale patwa. Enfòmasyon sou Paran : Tou les de paran Mary se retrete, yo te travay tè anvan e yo

pat janm al lekol. Enfòmasyon sou Anplwa Mary travay tan konplè nan fèm li an ki pwodi bannann. Itilizasyon Konesans Li ak Ekri nan Travay : Mary anrejistre tout tranzaksyon pou

fèm li an. Li mezire pestisid e li konte tout bwat bannann yo. Patisipasyon nan Edikasyon ak Fòmasyon : Mary ap pran kou a tan pasyèl pou

aprann fè gato ak dekorasyon nan sant fòmasyon an. Itilizasyon Li ak Ekri: Mary li jounal de tan an tan. Konesans sou Teknoloji : Lè li pran poz, Mary jwe epi li li imel sou odinatè li a. Enfòmasyon sou Fanmi ak Reveni: Reveni fanmi Mary se $2,000 pa mwa.

Ti Liv Kesyon Seleksyon

Mary eseye fè 10 premye kesyon yo men anvi sispann fè ankèt la.

Ti Liv Repè Mary fè 15 premye kesyon yo, men panse ke li two difisil.

Egzèsis Lekti Tès Vokabilè ki itilize foto: 10 move repons ***Tès Memwa Chif Annavan: Rate egzèsis la nan esè 4 laTès Memwa Chif Arebou: Rate egzèis la nan esè 3 a

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 49:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Fo entèvyou #3

Fo entèvyou #3 Kounye a nou pral fè Fo entèvyou #3

Kontak M … Kijan ou dwe fè premye kontak avèk fanmi ki seleksyone a?

Ou dwe al vizite yo lakay yo pou premye kontak la.

Deskripsyon M … Kijan ou ta dekri ka sa ban mwen:

Idantite moun kap reponn kesyon yo 13503 Adrès: <<Adrès Fo entèvyou 3>> Nimewo Telefòn: 758-717-7763 Non moun ki seleksyone a: Mark St. Clair

Mark vle konnen poukisa wap fè tout bagay sa yo, pa egzanp kesyonè, egzèsis, eks.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 50:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Fo entèvyou #3, Swit

Kesyonè sou Fanmi

Wap jwenn anba la repons ou dwe itilize lè wap fè ranpli Kesyonè sou Fanmi an

S2 Non S3 NonH2 Beton/ Blok BetonH3 W. C. (twalèt ki floche) ki konekte ak yon fòs septik/yon sistèm ki jete dlo twalèt la byen lwenH4 Pwopriyetè (kay la pa sou ipotèk)H5 5 Pyès 2 ChanmH6 Kay la genyen bagay sa yo:

Televizyon Frijidè Machin pou lave rad

Telefòn - selilè Fou

Videyo pleyè Fè-a-repase

Kesyonè Referans

Wap jwenn anba la repons ou dwe itilize lè wap fè ranpli Kesyonè Referans la

Moun kap reponn kesyon an vle konnen poukisa ou fè chak bagay, pa egzanp kesyon, egzèsis, eks.

Moun kap viv nan adrès sa: Mark St. Clair nan <<adrès fo entèvyou 3>> Enfòmasyon Jeneral : Mark fèt 24 Oktòb 1988 e li selibatè ak yon pitit ki sou kont li. Enfòmasyon Referans : Mark fè tout klas segondè li. Enfòmasyon sou Lang : Mark pale Angle. Enfòmasyon sou Paran : Manman Mark fè tout klas primè li epi lap travay nan yon

sipè makèt. Papa li mouri. Aktivite pwofesyonèl : Mark pap travay epi l ap chache yon travay. Itilizasyon Konesans Li, Ekri ak Kalkil nan Travay : Li pap travay Patisipasyon nan Edikasyon ak Fòmasyon : Mark pap pran okenn kou ni fòmasyon

paske lap chache travay e li pa konnen orè li tout tan li poko jwenn travay. Itilizasyon Konesans Li ak Ekri: Mark li revi. Konesans sou Teknoloji : Mark konn itlize òdinatè. Enfòmasyon sou Fanmi ak Revni: Mark pa vreman konnen Revni fanmi an.

Ti Liv Kesyon Seleksyon

Mark fè tout egzèsis Ti Liv Kesyon Seleksyon.

Ti Liv Repè Mark eseye reponn chak kesyon men li pat kapab fè tout.

Egzèsis Lekti Tès Vokabiliè ki itilize foto: 6 move reponsTès Memwa Chif Annavan: 1 move repon nan esè 5, 1 move repons nan esè 6, 2 move repons nan esè 7Tès Memwa Chif Arebou: Li rate egzèsis la nan esè 4

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 51:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Fo entèvyou #4

Fo entèvyou #4 Pa gen okenn tèks ki ekri pou Fo entèvyou sa

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 52:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Apre Entèvyou a

Kaye Komantè sou Ankèt laPPT 37

M … Kilè ou itilize Kaye Komantè sou Ankèt la?

Anketè a itilize Kaye Komantè sou Ankèt la pou li enfòme sou difikilte li rankontre lè lap fè ankèt la.

M … Eske ou ka montre klas la kijan ou tap ranpli Kaye Komantè sou Ankèt la (itilize yon Fo entèvyou ki pa gen tèks ki prepare ak transparans)

Rapò sou Entèvyou ki pa fèt yo

M … Kilè ou itilize Rapò sou Entèvyou ki pa fèt yo?

Anketè, Sipèvizè oubyen <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la dwe itilize Rapò sou Entèvyou ki pa fèt yo pou esplike tout ka kote yo pat ka fè entèvyou a epi yo dwe di kisa yo te fè pou eseye fè entèvyou a ankò.

M … Eske ou ka montre klas la kijan ou tap ranpli Rapò sou Entèvyou ki pa fèt yo (itilize yon Fo entèvyou ki pa gen tèks ki prepare ak transparans)

Lis Kontwòl Egzèsis

Rapò Pwogrè ak Depans Anketè a

M … Eske ou ka montre klas la kijan ou ranpli Lis Kontwòl Egzèsis la.

Itilize yon Fo entèvyou ki pa gen tèks ak transparans.

M … Eske ou ka montre klas la kijan enfòmasyon ki nan Lis Kontwòl Egzèsis yo transfere nan Rapò Pwogrè ak Depans Anketè a.

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 53:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Apre Entèvyou a, Swit

Anvan transmisyon dokiman yo

M … Anvan ou mete tout dokiman ankèt la sou Anvlòp pou voye yo bay Sipèvizè/<<Biwo Egzekitif Ankèt>> la, ou dwe fè sa ki annapre yo:

1) Revize tout materyèl yo Fòk ou verifye si idantite moun kap reponn kesyon yo ekri sou chak

dokiman ki anndan Anvlòp pou Moun kap Reponn kesyon yo2) Ranpli tout fòmilè yo

Konte tout sa ki nan Anvlòp pou Moun kap reponn kesyon yo3) Anrejistre sou papye pwogrè ki fèt

Fòk ou verifye si ou rantre dènye enfòmasyon yo nan Lis Kontwòl Egzèsis la ak tout Rapò Anketè a sou Pwogrè ak Depans.

4) Rapòte Pwogrè bay Sipèvizè w Itilize Lis Kontwòl Egzèsis la ak Rapò sou Pwogrè ak Depans la.

Fòmilè pou Transmisyon

M … Kilè ou itilize Fòmilè pou Transmisyon an?

Anketè a oubyen Sipèvizè a dwe itilize Fòmilè pou Transmisyon an chak fwa yap voye kesyonè ki ranpli oubyen materyèl ankèt la bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la.

M … Eske ou ka montre klas la kijan ou dwe fè pou ou ranpli Fòmilè pou Transmisyon an (itilize yon Fo entèvyou ki pa gen tèks prepare ak transparans)

Voye/Bay Dokiman yo

1) Fòk ou verifye si dokiman yo mete nan anvlòp lan jan pwosedi <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la mande ou fè lè w ap voye dokiman konfidansyèl.

2) Voye dokiman ki ranpli yo bay Sipèvizè w chak lendi avec Fòmilè pou Transmisyon ki fèt pou Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a.

Note byen: Lè ankèt la ap fini, voye tout Anvlòp pou Moun kap reponn kesyon yo

ki rete e ki pat sèvi yo bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la. Chak ka dwe genyen yon kòd rezilta.

Lè ankèt la ap fini, voye tout materyèl ki make sou Fòmilè Lis Materyèl la bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la.

Kontakte Sipèvizè w

Kontake Sipèvizè w chak lendi pou ou ka enfòme li sou sa ki vini annapare yo: Ka kote entèvyou yo pat ka fèt Pwogrè ak Depans Materyèl ki resevwa

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 54:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Konklizyon ak Evalyasyon

Revizyon objektif fòmasyon an

Pou ou konprann Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a

Pou ou vin alèz ak konsèp ak definisyon ankèt la

Pou ou vin alèz ak tout etap ankèt la

Pou ou aprann kijan pou w fè pase entèvyou pou Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a.

Pou ou aprann kijan ou ka diminye kantite repons ki absan yo.

Kesyonè sou Kontrandi

PPT 38

M … Kisa ki objektif Kesyonè sou Kontrandi a?

Pou ou ka bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la avi ou sou ankèt la.o Avi jeneralo Difikilte ak konsèp yoo Difikilte nan bay fè ti liv yo oubyen egzèsis yo

Evalyasyon Fòmasyon PPT 39

Mwen ta renmen mande nou pran kèk minit pou nou ka ranpli Evalyasyon Fòmasyon an.

Mwen swete nou bòn chans pou ankèt la

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 55:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Apendiks A: Prezantasyon Powerpoint Fòmasyon an(gade dokiman ki vini avèk li a)

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 56:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Apendiks B: Liv Anketè a(gade dokiman ki vini avèk li a)

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 57:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Apendiks C: Egzèsis pou Revizyon (san repons yo)(gade dokiman ki vini avèk li a)

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 58:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Apendiks D: Egzèsis pou Revizyon (ak repons yo)(gade dokiman ki vini avèk li a)

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 59:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Apendiks E: Egzèsis pou diminye kantite repons ki absan (san repons yo)(gade dokiman ki vini avèk li a)

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Page 60:  · Web viewEnstriksyon. Anvan ou kòmanse fòmasyon an, rankontre ak lòt fòmatè yo epi avèk obsèvatè yo tou (si genyen obsèvatè); konsa ou ka esplike yo kisa ou bezwen yo

Apendiks F: Egzèsis pou diminye kantite repons ki absan (ak repons yo)(gade dokiman ki vini avèk li a)

Gid Fòmasyon pou Ankèt sou Alfabetizasyon << Non Peyi>> a