university of floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/uf/00/09/89/61/00001/binder2.pdf · 2010. 3. 18. ·...

45
University of Florida's Journal of Intermediate Haitian Creole Published 2007

Upload: others

Post on 22-Mar-2021

16 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

 

University of Florida's  

Journal of Intermediate Haitian Creole  

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Published 2007 

Page 2: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

University of Florida's Journal of Intermediate Haitian Creole  

 

Editor: Assistant Professor Benjamin Hebblethwaite, [email protected] 

Esè elèv yo te ekri an 2007 sou Eskrab epi Iv Dejan nan kreyòl ayisyen (Nou pa 

prezante yo nan okenn lòd espesifik): 

 

1. Daphney Pascal, “Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen” 

2. Emmanuel Fortune, “Dejan Pou Prezidan: Yon Chanpyon Lekòl an Kreyòl “ 

3. Lenhs Louis, “Eskrab an Ayiti”  

4. Leticia Casseus, “Eskrab nan Peyi d Ayiti” 

5. Maisha Champagne, “Yon Chans Pou Yon Chanjman”  

6. Merline Dieujuste, “Yon Chanjman nan Peyi Ayiti “ 

7. Mynoucka LaFalaise, “Ki Koze Alfabetizasyon Sa?” 

8. Rachel Lucas, “Enpòtans jwèt eskrab nan peyi Ayiti”  

9. Theresa Murray, “Mo Kwaze ak Iv Dejan” 

 

 

  

   

 

Page 3: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen

Daphney Pascal

Inivèsite Laflorid

Entwodiksyon

Li trè enpòtan ke lè nou kreye yon jwèt Mo Kwaze kreyòl Ayisyen, ke ou sèvi

avèk òtograf ki ofisyèl. Dejan di nou ke “Si yo t ap bay yon pri pou egzanp ki sèvi pi mal

ak òtograf kreyòl la, ki sèvi ak li pi tet anba nèt, esplikasyon yo ekri pou ti rechogaz Ayiti

Metal yo ta gen premye pri.” Lè nou mete aksan sou lèt yo, moun Ayisyen ap kapab

pratike jwe eskrab nan lang ofisyèl. M espere ke sa ta tradui nan jan moun Ayisyen ekri.

Jwèt sa ap sèvi kòm yon zouti ki ap ede alfabetize moun Ayisyen. Plis ke say eskrab ap

ede yo avèk òtograf yo. Nan liv Dejan li bay nou yon egzanp kote li wè yon afich nan

yon magazen ki pa lwen plas Jefra, Pòtoprens. Afich ekri “Moun ak zam pa rentrè”.

Dejan esplike ke se pa kon sa yo ekri: rantre. Egzanp sa fè nou wè ke Ayisyen genyen

yon pwoblèm avèk òtograf.

Pwoblèm Nou Kontre

Yon pwoblèm nou kontre lè nou ap devlope jwèt sa se moun ka pa bay aksè

avèk diksyonnè. Se poutèt sa, li enpòtan pou nou kreye yon liv ki genyen anpil aksè.

Liv sa ta genyen mo Ayisyen sèvi avèk anpil. Si nou ta renmen jwèt sa genyen siksè, li

enpòtan pou nou kreye liv sa. Plis ke sa, li enpòtan pou nou kreye jwèt nan yon fason ki

pèmèt tout pèp Ayisyen genyen aksè. Sa se yon jan pou kòmanse alfabetize yon pèp nan

yon fason ki pa trè chè. Si jwèt la pa chè, l ap genyen popilarite avèk moun Ayisyen.

1

Page 4: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Nou ka popilarize eskrab kòm yon jwèt tout fanmi ka jwe. Dejan di nou ke Papa ak

Manman ti Ayisyen yo pale kreyòl sèlman. Paske jwèt an kreyòl, paran yo ka jwe eskrab

avèk timoun yo. Menm lè paran yo ap jwe, yo ap aprann.

Ansèsyman An Franse

Nan liv Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba sou paj 206-235, Iv Dejan sèvi

ak esperyans li kòm yon pè pou li montre nou pwoblèm ki genyen avèk ansèsyman an

franse. Lè Dejan ale vizite yon lekòl li rankontre avèk yon mè ki rele Jistin. Mè Jistin se

direktris lekòl la. Mè sa te fè yon deklarasyon ki pa t chita byen avèk Dejan. Li rele

timoun yo kreten paske yo pa t ka atrap leson yo an franse. Dejan vin travay avèk timoun

yo pou li montre mè yo yon leson. Lè li travay avèk timoun yo, li vin wè ke se pa sòt elèv

yo sòt, se paske mè yo ap anseye nan yon lang timoun yo pa konprann. Lè mè yo anseye

an franse, elèv yo vin konnen san yo pa aprann.

Dejan fè pwen sa pi klè lè li mande timoun yo keksyon mesaj legiz katolik an

franse avèk kreyòl. Keksyon sa yo te adrese prensip fondamantal ke tout moun ki batize

nan legliz katolik ta dwe kenbe fèm (pg. 215). Lè timoun yo remèt repons yo an franse

epi apre an kreyòl deklarasyon yo chanje. Timoun yo fè plis erè lè yo bay repons yo an

franse. Sa montre nou ke timoun yo pa kreten. Lè yo travay nan yon lang yo konprann, yo

ka aprann pi byen. Yo vin atrape sijè a.

Jwèt Eskrab Kòm Yon Solisyon

Sèvi ak kreyòl nesesè pou konesans. Jwèt eskrab ka ede timoun Ayisyen

konprann kreyòl pi bon paske li bay timoun yon opòtinite pou yo pratike ekri an kreyòl

2

Page 5: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

nan yon sans. Jwèt la ap ede yo aprann òtograf kreyòl. Lè yo konprann kreyòl pi byen yo

ap aprann kreyòl pi byen. Eskrab se yon solisyo. Li se yon jwèt ki ap ede alfabetize

moun Ayisyen. Plis ke sa, eskrab ap ede Ayisyen konprann avèk aprann plis.

Règ Eskrab

Nan liv Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba sou paj 236-265, Iv Dejan fè yon

ka pou lekòl nan yon sel lang an Ayiti. Li di nou ke pwogram nan de lang pou mas

popilasyon 7 milyon Ayisyen ki pale kreyòl sèlman pa posib pou senk gwo rezon. Dejan

di nou ke sa pa posib rezon ekonomik. Ayiti pa genyen lajan pou li anseye timoun nan de

lang. Dezyèmman, sa pa posib pou rezon sosyal. An Ayiti se sel yon minorite pale

franse. Twazyèm rezon Dejan bay nou se rezon jewografik. Li di nou ke Ayiti pa kole ak

peyi ki pale angle oubyen franse. Timoun Ayisyen pa ka annik travèse pou yo ale nan

yon peyi Lafrans. Yo pa ka benyen nan franse. Katriyèm pwen Dejan di nou se sa pa

posib pou rezon pedagojik. Yo pa ka jwenn 50 mil pwofesè ki pale franse e ki konn

teknik montre timoun franse kòm yon lang etranje fen pandan yo pa benyen nan franse.

Dènye bagay Dejan di nou se sa pa posib pou rezon tan. Li di sa ap pran anpil tan pou

timoun Ayiti aprann franse ak bon pwofesè.

Nan chapit sa Dejan di nou plizyè rezon nou ta dwe anseye timoun an kreyòl

sèlman. Jwèt eskrab se yon bon fason pou nou kòmanse anseye timoun an kreyòl men fòk

timoun yo konnen règ eskrab. Pou jwèt la kòmanse fòk premye moun ki pral jwe mete

lèt li yo ansanm sou tab la. Lèt yo ka ale anlè oswa anba. Lè premye jwè mete lèt yo, fòk

yo rive sou kare ki nan mitan. Lè moun nan jwe li pa ka eple mò yo devan dèyè. Lè ou

fini, konte skò ou, epi di tout moun. Fòk ou sonje pou ranmase menm kantite jeton, pou

ou ka toujou genyen menm kantite jeton nan men ou. Dezyèm moun ki ale, fòk yo kole

3

Page 6: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

jeton yo ak jeton ki deja sou tab la pou yo kreye yo mo. Fòk nou sonje ke mo yo ka ale

anlè epi anba. Lè tout lèt yo fini, moun ki genyen plis pwen se chanpyon eskrab.

Sitweb sou Eskrab

Lè nou fin aprann règ eskrab, li enpòtan pou nou sèvi avèk estrateji pou nou ka

vin chanpyon eskrab. Genyen plizyè sitweb ki pale sou estrategi eskrab. Si ou vitize

sitweb www.cyberonic.com/~bigdoggy/strategy.html ou ka jwenn estrategi pou jwèt la.

Nou konnen ke anpil moun Ayiti pa genyen askè avèk òdinatè. Se poutèt sa mwen ta

renmen jwèt la vini avèk yon ti liv ki pale sou estrateji eskrab. Si ou bezwen konnen

istwa eskrab ou ka vitize sitweb http://www.scrabble-assoc.com/info/history.html. Si ou

se yon fanatik eskrab, epi out a renmen pale ak lòt fanatik ou ka vitize sitweb sa:

www2.scrabble-assoc.com/.

Chemen Konesans Pi fò Ayisyen

Nan dènye chapit ki nan liv Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba, Iv Dejan

revize tout rezon lekòl ta merite anseye an kreyòl an Ayiti. Dejan di nou kreyòl se lang

tout moun ki fèt e ki leve ann Ayiti depi yo piti jis yo gen 18 an. Se sèl lang ki rele tout

jèn moun sa yo chè mèt chè metrès. Se li tout moun konprann byen. Se li yo pale tout tan.

Sa ki pi enpòtan Dejan di nou, ki kreyòl se prensipal chemen konesans pi fò Ayisyen.

Lekòl merite anseye an kreyòl paske kreyòl se lang lavi ann Ayiti. Sitiyasyon anseye an

franse pa nòmal paske pi fò Ayisyen pa konprann lang franse. Se yon minorite moun ki

byen sèvi avèk lang franse. An plis, Dejan di nou sistèm lekòl an Ayiti nan yon sitiyasyon

tèt anba ki merite chanje.

4

Page 7: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Konklizyon

Jwèt eskrab se yon fason nou ka kòmase chanje sistèm la. Eskrab se yon jwèt ki

ap ede alfabetize moun an Ayiti, paske kreyòl se prensipal chemen konesans pi fò

Ayisyen. Menm lè moun an Ayiti pa genyen aksè avèk diksyonnè, jwèt eskrab ap fasil

pou yo atrape lang kreyòl paske se lang ki nan sèvo yo. Lang franse pa nan sèvo yo. Pou

timoun Ayiti aprann franse fòk yo benyen nan lang etranje. Dejan mande nou kote lanmè

franse, kote larivyè franse, kote lapil franse. Paske timoun yo pa benyen nan lang franse

yo pa ka aprann li. Yo tranpe nan lang kreyòl paske kreyòl se lang manman. Kreyòl se

lang ki nan sèvo yo. Si nou fè yon ti diksyonnè ki pa chè, sa ap fè jwèt la gen plis aksè.

Nan diksyonnè sa nou ka mete mo moun sèvi avèk sou van. Sa ap byen ede moun ki anvi

jwe eskrab.

Plis ke sa kreyòl se yon lang ki fonetik, sa vle di moun ka toujou fè efò jwe

eskrab menm lè yo pa alphabetize nèt. Menm jan lang kreyòl se yon lang ki sèvi avèk

règ, li enpòtan pou nou sèvi avèk menm règ sa yo nan jwèt eskrab. Pou pwogrè an Ayiti

fòk lekòl anseye an kreyòl. Si sa pa fèt Dejan di nou Ayiti ap rete dèyè ak yon ti ponyen

moun k ap grennen bèl franse, toutotan yon majorite moun ap kontinye pa mache nan

chemen konesans tout Ayisyen deja genyen an lang kreyòl. Chanjman kreyòl nesesè pou

pwogrè. Jwèt eskrab ap ede pèp Ayisyen fè pwogrè sa.

5

Page 8: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Bibliyografi

1. [Dejan Iv. 2006. Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Pòtoprens: Fokal].

2. www.cyberonic.com/~bigdoggy/strategy.html

3. http://www.scrabble-assoc.com/info/history.html

4. http://www2.scrabble-assoc.com/

6

Page 9: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Dejan Pou Prezidan: Yon Champyon Lekòl an Kreyòl

Emmanuel Fortune, Inivèsite Laflorid

Nan chapit 20 Dejan pale sou règ gramè. Li esplike jan grameryen lontan pa t montre pèp

yo jan pou yo rekonèt fraz byen anfòm avèk fraz ki pa anfòm. Dejan di, “liv gramè fèt kon sa

paske moun deja gen sèten lide sou koze lang.” Sa vle di, depi moun gen tan konprann yon lang,

li pa fè sans pou grameryen mete règ sou mo apre moun fin aprann lang nan. Dejan kontinye fe

yon ti pale sou afè vèb ak konpleman vèb nan lang kreyol. Li di anpil ayisyen pa menm konnen

depi vèb ak konpleman egziste. Antouka, anpil ayisyen toujou suiv règ la. Yo kenbe vèb ak

konpleman ansanm san yo aprann règ. Dejan di se yon prensip ki nan tèt tout moun. Sa se bon

pawòl Dejan ekri. Li bay yon seri de egzanp ki montre jan mo ak fraz an kreyòl suiv règ

konpleman ak vèb nan lang la. M ta di grameryen pa gen dwa chanje lang kreyòl la nenpòt jan.

Lang la gentan kenbe yon seri de règ ki inivèsèl. Menm jan nou te wè nan klas la lòt jou, gen règ

lengwistik ki montre lang kreyol la se yon lang nòmal e natirèl. Lang kreyol la pa anmède avèk

règ òtograf nou ta jwenn nan angle. Se yon lang ki byen anfòm epi li sèvi moun nan tout koze.

Lòt koze mwen vle fè refleksyon sou li se jwèt eskrab an kreyòl. Jwèt la byen enteresan.

Se yon jwèt m konn jwe tout tan lakay mwen, epi se yon jwèt m konn genyen ladann anpil. Yon

obzèvasyon mwen te wè premye jou a, se jan li te fasil pou moun chwazi mo. Lang kreyol la

plen avèk mo. Se yon bèl bagay. Ou pa bezwen bat tèt ou pou chache mo.

Eskrab an Kreyol

Jan ou jwe eskrab kreyòl se menm jan ou jwe eskrab anglè. Chak moun chwazi sèt jeton. Lè

chans yo rive fòk yo mete yon mo ki bay bon valè pwen. Depi moun genyen pwoblèm avèk

chwazi mo, yo mèt pase chans yo pou dezyèm moun kapab ale. Jwèt la byen fasil men li prezante

1

Page 10: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

anpil opòtinite pou moun aprann mo nouvo. Lòtre jou pwofesè Tes ki soti FIU te vin jwe avèk

nou. Li te mete yon mo ki mare tèt tout moun nan tab la. Mo a pa te yon mo espesyal. Dejan

gentan esplike lang kreyòl la se youn ti fasil avèk anfòm. Mo Tes te yon mo anpil nan elèv yo te

tande yon fwa men yo pa t jamn sèvi avèk li jan Tes te sevi avèk li nan jwèt la. Pou rezon sa m

renmen jwèt eskrab kreyòl la. Menm depi ou konnen anpil mo an kreyòl ou ka toujou aprann lòt

sans mo genyen. Depi Dejan te tou jou nan latè a li tap apresye jwèt la anpil.

Dejan te genyen anpil konesans sou afè lang. Pa sèlman lang kreyòl la, men anpil lang. Li

te kòn pale franse, kreyòl, y angle. Epi li posib li te kòn pale panyòl. Gen de lè Dejan te kòn

pweche nan legliz, apre sa li te fè pwofese pou yon ti moman. Liv Dejan gen anpil rechèch ki

soti nan tout bò. Li pale de lang moun italyen, moun panyòl, moun fransè, avèk anpil lòt peyi.

Dejan se yon moun ki te kon suiv koze nan tout peyi. Mèwi te genyen anpil pwoblèm nan peyi d’

Ayiti men Dejan t ap suiv pwoblèm peyi a nan yon konteks ki aplike avèk tout moun. Reson m

kwe li fe sa, e pou tet kreyol se yon lang li vle pou tout moun nan lot peyi pou yo suiv li. E pa

selman ayisyen ki vlezwen konnen ki sa ap fèt avèk lang peyi Ayiti.

Mwen Genyen Rèv

Yon jou ap rive lè moun ki visite Ayiti gentan aprann pale kreyòl. Menm jan tankou lang

franse. Moun aprann lang le yo nan lekòl apre sa yo visite peyi a pou vakans. Depi anpil moun

kòmanse aprann lang kreyol la, y ap kòmanse apresye lang nan avèk peyi. Sa kapab ede peyi a

jwenn anpil kòb. M ta renmen we plis moun visite Ayiti poutet li se yon bèl peyi. Sitiyasyon

ekonomik moun ayiti ta vole anpil depi plis moun ta visite peyi a. Ayisyen kapab vann mizik

oubyen desen yo. Ayiti gen yo bèl istwa. Fòk moun konnen sa.

2

Page 11: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Mwen fin rive nan yon laj kounye a m vlè vizite peyi parann mwen te kon viv nan.

Genyen anpil violanse men yon jou fo m wè bèl bagay mama mwen te konn pale de. Mwen

genyen an pakèt ti kouzen ki toujou viv nan Ayiti. M ta renmen visite yo pou m wè jan nou

diferan. Plis pase sa m vlè wè jan nou menm jan moun. Ayisyen se moun ki kenba fo. Nou

genyen anpil damou pou frè ak sè nou.

Pou rèv Dejan rive fò moun kreyòl nan tout late a suiv ki sa ap fet nan Ayiti. Menm si ou

soti nan peyi a de twa ane, oubyen li te mèt vensenk ane fò ou toujou suiv ki sa ap fèt nan peyi

ou. Depi nou pa voye je, moun franse oubyen moun o Zetazini ap kòmanse voye zye. Pita yo ap

pwan peyi. Menm y ap kòmanse avèk lang nan. Se poutèt sa lè ou pwan lang yo moun ou pwan

nam yon moun.

Dejan: Yon chanpyon eskrab san li Jwe

Jwèt eskrab kreyòl se yon jwèt trè enteresan. Pwemye fwa m te jwe l li te fasil. Kounye a m ap

jwèn anpil kòmplikasyon. Gende lè m pa kapab jwenn mo pou m jwe epi m oblije pedi chans

mwen. Jan jwèt la regle ou ka pèdi chans ou plizyè fwa yo toujou resevwa yon viktwa men li

difisil pou fè. M toujou renmen jwèt la poutet li bay moun chans pou yo esplore vokabilè yo.

Yon lòt bagay nou te wè nan rechèch Ben te fè se konbye fwa kèk lèt kon itilize an

kreyòl. Rechèch la moutre genyen anpil lèt ki itilize plizye fwa epi genyen lòt mo ki itilize

selman de twa fwa. Rezon sa afekte m e poutèt m renmen itilize mo ki espesyal. E konsa m kon

jwe eskrab angle a. M kòn pase chans mwen kont fwa pou le m jwenn yon mo ki byen serye m

kapab jwenn anpil pwen.

Depi Dejan t ap jwe eskrab kreyòl m kwè li t ap fè menm jan. Pito li mete ti mo o fraz piti

li ta vle mete gwo mo pou li moutre tout moun jan li se gwo nèg avèk anpil sèvo. Nan liv li ekri

3

Page 12: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

nou we li konnen anpil mo. M kwe m aprann plis mo nan liv sa pase pyes nan liv angle mwen.

Dejan se yon neg ki te fe anpil pou mo Ayiti. Fòk moun selebre li pou tout bagay lengwistik li fe

pou moun Ayisyen.

4

Page 13: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Works Cited

Dejan, Iv. Yon Lekòl Tèt Anba Nan Yon Peyi Tèt Anba. Pòtoprens: FOKAL (Fondasyon Kilti

Ak Libete), 2006.

5

Page 14: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Eskrab an Ayiti

Lenhs Louis, Inivèsite Laflorid

Genyen anpil peyi nan lemond ki te genyen menm pwoblèm avèk peyi nou Ayiti.

Se yon pwoblèm analfabetizasyon. Otè liv Yon Lekòl Tèt Anba Nan Yon Peyi Tèt Anba,

Iv Dejan fè nou konnen ke “an 1800, pi fò granmoun gason an frans pa te janm al Lekòl.

Sa te kòmanse chanje an 1850…distans pou rive nan ane 2000 genyen douz milyon jèn

sou 60 milyon jèn ki ale Lekòl (Dejan 108).” Poukisa ou panse mwen ba ou ti ide sa? Se

paske mwen vle moutre ou ke sitiyasyon analfabetizasyon an Ayiti kapab ranje men li

kapab pran tan. Li pran Lafrans preske plis pase 50 ane pou li fè yon gwo pwogrè.

Lafrans se yon temwayaj pou moutre nou ke chanjman possib menm si sa pran tan depi

moun deside li kapab posib. Nou ap panse itilize eskrab pou nou ka fè chajman sa. Nou

konnen sa ap pran tan men si tout moun deside epi yo mete tèt yo ansanm pwoblem

analfabetizasyon ayiti ya ap disparèt.

Nou swete ke nou te kapab jwenn ase kòb pou nou ta fè ase jwèt pou tout moun

an Ayite ta kapab posede jwèt pa yo. Pou yo kapab gen ase pratik nan li ekre avèk pròp

lang pa yo. Ozetazini, gen yon konpetisyon ki rele Spelling Bee, nan konpetisyon sa yo

fè timoun eple gwo mo ke menm paran yo pa kapab eple, se yon bagay yo moutre

konpetisyon an nan televizyon pou tout moun ka wè kijan timoun sa yo fò nan eple mo.

Poukisa nou pa kapab fè menm bagay la an Ayiti avèk? Si nou ta fè sa nou te kapab rive

popilarize jwèt la toujou. Nan liv Yon Lekòl Tèt Anba Nan Yon Peyi Tèt Anba Dejan

toujou ap raple nou de enpòtans anpran nan lang ou konnen an. Li di nou ke “lang se yon

zouti pou panse. (Dejan 54).” Lekòl Ayiti pa bay timoun chans pou yo panse nan lang pa

1

Page 15: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

yo, sa genyen yon gwo enfliyans sou pwoblèm analfabetizasyon nou an ayiti (Dejan,

203). Paske eskrab bay moun opòtinite pou yo esprime yo nan lang manman yo, nou

kapab itilize li kòm yon zouti pou nou konbat pwoblèm analfabetizasyon.

Eskrab kont analfabetizasyon

Jwèt mo kwaze kreyòl ayisyen kapab ede moun aprann li ekri. Mo kwaze fòse

moun eple mo; eple mo kapab ede yon moun devlope vokabilè yo. Toutotan yon moun ap

ekspoze avèk mo ki mache ak ide se toutotan lap aprann li ekri. Systèm lekòl anayiti an

genyen yon gwo pwoblèm; li demande ke timoun anayiti pale franse lekòl e sa vini fè

genyen anpil moun ki analfabetize. Si nou te kapab fè yon jwèt tankou mo kwaze ayisyen

fè pati kilti Ayiti menm jan avèk “Domino” ak “Gagè” li tap rive alphabetize anpil moun.

Men sa ki pwoblèm lan konnya se kijan nou kapab popilarize mo kwaze kreyòl ayisyen.

Jan Nou Kapab Popilarize Eskrab

Premye bagay nou te kapab fè se pou nou menm tout moun ki nan klas HAI 2200

ki kòmanse jwe jwèt la pale de jwet la avèk zanmi pwòch yo, manman yo, papa yo, avèk

tout lòt fanmi yo. Apre nou fin pale moun yo de jwèt la nou ta fè yo jwe li pou yo kapab

wè kijan li enteresan apresa nou ta swete moun sa yo kapab di tout moun yo konnen

jiskaske nouvèl jwèt la rive Ayiti. Yon lòt jan ke nou kapab popilarize jwèt nou an se pou

nou ta prezante jwèt la ak moun ki nan klib kreyòl la konsa nou kapab fè ayisyen ki isit ki

kapab achte jwèt la kapab jwenn opòtinite pou yo jwe anpitou achte li. Nou ta pran kòb

nou fè nan van jwèt la pou nou kapab fè avètisman voye nan tout lòt klib kreyòl ke nou

konnen ki nan florid. konsa nou kapab fè plis kòb jiskaske nou kapab rive genyen ase kòb

2

Page 16: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

pou nou fè ase jwèt pou nou kapab vann yo aba pri pou moun Ayiti jwe. Kòm mwen

gentan di ou lè moun jwe jwèt sa yo kapab alfabetize e si anpil ayisyen ta jwenn jwèt sa,

li te kapab ede anpil moun li ak ekri. Sa kapab ede nou rezoud pwoblèm alfabetizasyon

Ayiti.

Men anvan nou fè tout bagay sa yo fò nou ta pale avèk moun ki gen dwa sou jwèt

la pou nou ka konnen si yo dakò pou nou itilize ide yo. Aprè sa se pou nou ta fè yon

diksyonnè ak yon ti liv ki kapab reponn tout keksyon yon moun kapab genyen sou mo

kwaze kreyòl ayisyen. Lide kreye jwèt sa se trè briyan.

Ayisyanize Eskrab

Paske nou vle pou eskwab jwe yon wòl enpòtan an Ayiti, li nesesè pou nou ta

ayisyanize jwèt la. Nan ti kare yo li tab bon si nou ta mete bagay ki senbolik pou

Ayiti tankou mize nasyonal la avèk sitadèl la. Nou tap pran 50 pi gwo kote an Ayiti ki

genyen anpil epi nou ta mete yo chak nan yon ti kare. Sou rès kare ki rete yo nou ta

sipoze mete non moun ki te genyen yon enfliyans pozitif nan peyi a tankou Desalin ak

Petyon. Mwen panse jwèt la sipoze ble ak rouge ki se koulè drapo peyi ya. Sou do

jwèt la nou ta kapab desine yon grow pye palmis, paske pwebwa sa genyen anpil istwa

ki mache avèk li.

Istwa Eskrab

Nou ap fè tout ti pale sa yo sou eskrab men nou poko pale de istwa jwèt la. Li te

kòmanse Ozetazini nan yon peryòd ki rele gran depresyon an. Se te yon peryòd ki te

vrèman nwa nan sans ekonomik pou anpil peyi sou latè. Pa te genyen travay, epitou

3

Page 17: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

manje te chè. Yon, achitèk ki rele Alfred Mosher Butts ki te youn nan viktim

depresyon sa paske li te pedi travay li te fè yon ide pou li kòmanse yon jwèt. Li fè

rechèch li vini reyalize ke genyen twa kategori jwèt; jwèt nimewo, jwèt kote pou ou

deplase, avèk jwèt mo. Butts te vle kreye yon jwèt ki konbine mo kwaze avek jwèt

mo. Premyeman, jwèt la te rele “Lexicon” men Butt vin chanje non an, li vin rele li

“mo kwaze.”

Li enpòtan pou nou konnen kijan Butt reyalize fè jwèt sa. Li te etidye yon papye

jounal ki rele New York Times pou li kalkile konbyen fwa 26 lèt nan alfabè angle a te

itilize nan papye ya. Li dekouvri ke vwayèl parèt pi plis pase konsòn, vwayèl ki parèt

pi plis la se “e”. Aprè li bay chak lèt yo yon valè. epi li deside konbyen nan chak lèt ki

ap parèt nan jwèt la. “s” te bay yon pwoblèm, akòz moun itilize li anpil, Butts decide

itilize li sèlman kat fwa paske li pa te vle jwèt la twò fasil. Sa fè twa generation depi

jwèt mo kwaze fè pati sosyete Ozetazini ya. Li te desine premye jwet la avek zouti

achitèk li yo. li te mete jwèt la sou yon lot jwèt ki rele checkers. mwen panse yo te

fatige avèk jwèt sa. Li te fè ti kare yo tankou sa nou genyen pou jwèt nou an men li te

ekri mo yo sou ti jeton yo avèk men li. Ala moun gen entelijans papa.

Mwen wè Butt genyen gwo siksè avek jwet la, mwen ta swete nou genyen

menm siksè plis pase li menm si sa posib.

Differans an Eskrab Fonemik ak Eskrab tradisyonèl

Nan klas nou te pale de de diferan kalite eskrab, youn ki te tradisyonèl avèk youn

ki te fonemik. Mwen panse sa ki fonetik la ap plis bon pou moun an Ayiti. Li genyen

anpil avantaj pou yon peyi tankou ayiti. Jwèt ki gen fason fonemik la genyen vwayèl

4

Page 18: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

nazal. Plis popilasyon Ayiti a pa alfabetize nou menm nou ta renmen itilize eskrab pou

nou konbat analfabetizasyason; batay la ap plis fasil si nou itilize zam ki fasil. Itilize

eskrab tradisyonèl la ap konplike batay nou paske anpil moun pa kapab konnen ke si yo

mete a avèk n ansanm sa ap egal “an”, yon vwayèl nazal ki kapab ba yo yon mo tankou

ban. jwèt fonemik la ede moun paske li ba yo opòtinite pou yo eple anpil mo san yo pa

bezwen anpil jeton paske jwèt la mete mo yo ansanm. pa egzanp, nan jwèt tradisyonèl la

yon moun bezwen sis jeton pou ou eple “renmen” men nan jwèt fonemik la sa ap bezwen

sèlman 4 jeton. Sa se yon lòt avantaj jwèt fonemìk la genyen.

Eskrab ayisyen an sipoze genyen aksan ladan. Moun ki ap jwe jwèt la sipoze

konnen ke yon mo tankou pè genyen yon aksan sou li, si jwèt la pa genyen sa , yo pa

kapab konnen sa. Si jwèt la genyen aksan ladan li kapab ede moun eple mo korèkteman.

Men genyen yon ti pwoblèm avek lèt à, se pweske yon vwayèl ke nou pa kapab itilize

nan jwèt la menm paske pa genyen anpil mo ki itilize à avèk aksan. Tout jwe mwen jwe

jwèt la mwen po ko janm fè yon mo ki genyen à ladan. mwen ta di retire lèt sa

komplètman men li genyen anpil valè lèt la poukont li vo wuit pwen. Sa bon paske li fòse

moun panse avèk travay di.

Kòm mwen gentan esplike nou eskrab kapab yon zouti ke nou kapab itilize pou

nou kombat analfabetizasyon an Ayiti men li ap pi fasil si nou itilize fòm eskwab fonetik

la paske li ap pi fasil pou yon moun ki pa fò nan eple mo. Li genyen yon lòt avantaj paske

ou kapab fòme plis mo avèk mwens jeton. Eskrab nou an sipoze genyen aksan paske

aksan yo ap ede moun eple pi mo kòrèkteman.

5

Page 19: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Konklizyon

Eskrab kapab ede nou konbat analfabetizasyon an Ayiti paske lap ede moun eple

mo. Men fò nou pran tan pou nou popilarize jwèt la pou tout moun kapab tande pale de li.

Pou jwèt la kapab pi enterese moun Ayiti nap ayisyanize jwèt la. Genyen kèk ti pwòblem

avèk jwèt la men nou ap viske yo. Mwen panse jwèt fonemik la ap pi avantaje pou moun

ayiti paske li ap ede yo eple mo kòrèkteman.

Bibliyografi

Dejan, Iv. 2006. Yon Lekòl Tèt Anba nan Yon Peyi Tèt Anba. Pòtoprens: Fokal

http://www.hasbro.com/games/adult-games/scrabble/home.cfm?page=home

6

Page 20: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Eskrab nan Peyi D’Ayiti

Leticia Casseus, Inivèsite de Florid

1. Entwodiksyon

Mwen jwenn anpil plezi lè nou jwe eskrab nan klas la paske m kòmanse rekonèt jan l ap

ede mwen vin pi anfòm avèk lang la. Lè m di m ap vin pi anfòm nan lang la m vle di m ap ka

pale, li, ekri, e konprann lang la pi byen pase m kapab kounye a. Lòt elèv yo nan klas la konnen

plizyè mo ke mwen pa t konnen epi lè pou nou fè efò pou nou eple mo yo kòrèk, tout sa ede

mwen epi lòt elèv yo pou nou vin pwofesyonnèl nan lang la. Menm jan eskrab la ap ede nou, m

panse l ka ede Ayisyen nan Ayiti. Dejan t ap diskite nan chapit la jan Ayisyen pa kosyan de jan

yo konn diferans yon bon jan fraz kreyòl avèk yon fraz kreyòl ki pa bon. Li di se suiv yo suiv

prensip la depi yo timoun epi li chita nan lespri yo oubyen sèvo yo pou tout tan. An verite yo pa

konsyan, men an menm tan sa se pa fòt yo. Yo pa menm aprann timoun yo kreyòl nan lekòl yo.

Ki jan pou moun yo konsyan de poukisa yo pale lang la jan yo pale l si yo viv nan yon peyi ki pa

respekte oubyen apresye lang la, lang manman yo. Depi Ayisyen suiv prensip jwe eskrab la m

panse sa ap ede yo li epi ekri an kreyòl. Espesyalman ak diksyonè a nan men ki sèvi kòm baz

jwèt la, lè yo wè yon mo yo panse ki pa yon mo vre y ap gade nan diksyonè a pou yo ka konnen.

Se lè yo kontinye a lòd sa y ap vin devlope yon pi bon konprann pou lang la. Se lè sa yo kapab

konsyan de kijan yo konn diferans avèk yon bon jan fraz kreyòl avèk yon fraz kreyòl ki pa bon.

M panse jwèt sa ka fè anpil, anpil, anpil pou moun Ayisyen yo. M kwè se yon kòmansman pou

yon gwo chanjman pou Ayiti. Jwèt sa ap ede moun, menm si se pa tout moun, l ap ede anpil

moun vin konprann enpòtans lang la.

Casseus 1

Page 21: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

2. Jan pou Ayiti Popilarize Eskrab

Gen plizyè jan nou kapab popilarize eskrab. Men, si pou nou fè tout moun rekonèt jwèt la

toupatou se pou nou kòmanse piti. Mwen vin konprann jan pou yon moun popilarize nenpòt

bagay se pou fè anpil anpil moun rekonèt sa bagay la ye. Lè sa moun ap kòmanse pale sou sa

bagay la ye, kijan li fonksyone. Moun ap bezwen konn kisa bagay la ye espesyalman si l se yon

bagay yo pa janm wè nan lavi yo. Enbyen jwèt eskrab nou an se yon bagay m ka di anpil moun

pa janm wè. Premye bagay nou ka fè pou nou popilarize jwèt la se pote jwèt la bay fanmi e

zanmi nou pou yo ka aprann jwe l. Fanmi nou e zanmi nou yo ap sezi wè gen yon jwèt eskrab an

kreyòl. Sezisman an ap kòz yo al pale moun de li. Dezyèm bagay m te panse nou ka fè se

patisipe a klib kreyòl nan aktivite yo nan Inivèsite de Florid. Ankò, menm jan avèk fanmi e

zanmi nou, y ap sezi wè gen yon jwèt eskrab an kreyòl epi yo tou ap pale lòt moun de li. M kwè

si nou popilarize jwèt la kòrèkteman moun ap vin konprann enpòtans lang kreyòl la.

Se vre anpil moun pa konprann enpòtans lang kreyòl la toupatou. Menm nan legliz yo ann Ayiti

kote yo aprann timoun yo li e ekri yo pa sèvi a kreyòl, yo pa anseye timoun yo nan lang la. Dejan

(2006:215) pale nou de yon istwa lè l te ann Ayiti kòm yon pè epi l t ap poze kèk timoun nan yon

klas plizyè keksyon an kreyòl. Tout timoun yo bay esplikasyon klè. Lè Dejan poze yo keksyon

tou senp an fransè tout elèv yo pe bouch yo. Sa vle di yo pa vrèman konprann lang fransè a epi se

pou moun rekonèt kreyòl se lang yo pi konprann epi m kwè sa se youn nan bagay yo ki fè lang

kreyòl la enpòtan. Epi m kwè sa se objèktif

jwèt eskrab nou an.

3. Jwèt nan kilti Ayiti

Paske m panse Ayiti se yon peyi kote jwèt fè yon gwo pati nan kilti peyi a, m panse jwèt eskrab

Casseus 2

Page 22: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

la ap vin popilè byen vit. Depi w se yon Ayisyen oubyen ou konn al vizite Ayiti plizyè fwa w ap

konprann jan Ayisyen se gwo fanatik jwèt. Epi lè yo ap jwe yon jwèt se bagay serye. Tout moun

vle pou yo genyen jwèt y ap jwe a epi y ap fè tout sa yo bezwen fè pou yo ka genyen jwèt la.

Enbyen akòz jwèt fè pati kilti Ayiti li p ap difisil pou fè moun rekonèt jwèt eskrab la. M kwè y

ap asepte jwèt eskrab la san yon dezyèm panse. Ayisyen ap sezi wè jwèt eskrab se an kreyòl li

ye. Y ap sezi wè direksyon yo se an kreyòl yo ye, y ap sezi wè pou ka jwe jwèt la se pou w sèvi

ak kreyòl. Sezisman sa ap ede moun Ayisyen wè sa Dejan wè. M di sa tout tan epi m di l tout tan

paske m kwè l ak tout kè mwen. Sezisman Ayisyen ap jwenn lè yo wè jwèt eskrab la ap ede yo

rekonèt enpòtans lang kreyòl. L ap ede yo wè lè Dejan di se pou yo anseye kreyòl nan lekòl yo se

verite l ap pale. Dejan (2006: 243) di Ayisyen nan mitan lanmè kreyòl la, yo plonje nan letan

kreyòl la, yo benyen nan larivye kreyòl la, yo mouye tranp nan lapli kreyòl la. Sa vle di se lang

kreyòl la Ayisyen pi konprann pase tout lòt lang epi se avèk lang kreyòl pou yo sèvi nan tout pati

Ayiti paske se li ki vreman lang peyi a. Ayiti pa dwe pou bay lang kreyòl la vag. Menm jan jwèt

fè pati kilti Ayiti, lang la fè pati kilti a tou. Tout moun konnen lang fè pati nenpòt kilti men m pa

konnen pou Ayiti paske yo pa menm sèvi ak lang kreyòl la kòm lang peyi a. Dejan (2006:243) di

kreyòl se yon chemen konesans tou pare ki nan lespri oubyen sèvo yo. Si sa vre, poukisa

Ayisyen chwazi sèvi a franse, yon chemen san konesans?

4. Benefis pou lekòl Ayiti si yo sevi avèk eskrab

Jwèt eskrab la ka fè anpil pou sistèm lekòl Ayiti a. Mwen di sa paske gen pwofese Ozetazini ki

sèvi avèk jwèt eskrab la. Toupatou gen pwofese nan lòt peyi ki sèvi avèk jwèt eskrab la nan klas

yo kòm yon fòm pou edike timoun yo. Pwofese sa yo ki sèvi ak jwèt eskrab la nan klas yo pale

sou jan jwèt la ede timoun yo nan klas. 95% nan pwofesè sa yo di ke eskrab se yon lòt jan pou yo

Casseus 3

Page 23: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

ka aprann timoun yo nan lekòl (Scrabble 2007: 1). Yo di jwèt la devlope vokabilè elèv yo. Apre

yon ti tan yo ka eple mo pi byen, yo vin pi fò nan matematik, yo vin pi fò nan yon bann bagay ki

fè relasyon ak lekòl. Si sa vre, epi m kwè li vre, enbyen timoun ki elèv ann Ayiti tou ka jwenn

anpil benefis nan men jwèt eskrab nou an ki fèt espesyalman pou lang kreyòl la. Fè atansyon,

eskrab pwofesè Ozetazini yo sèvi a se an angle li ye. Lang elèv yo pi konprann. M panse nan lòt

peyi ki sèvi ak jwèt eskrab la nan lekòl yo, yo sèvi a lang elèv yo pi konprann. Se konsa yo vin fò

nèt nan matematik oubyen eple mo. Tout sa posib pou timoun e tout moun ann Ayiti tou. Men

pou l posib, se pou Ayiti sèvi ak lang kreyòl la nan lekòl yo, lang moun yo pi konprann.

Iv Dejan di lang se chemen konnen pou moun ki deja konn lang lan. Lang se baryè konnen

pou moun ki poko konn lang lan (Dejan 2006: 191). Ki jan pou elèv lekòl Ayiti yo vreman

aprann oubyen konnen si yo pa sèvi avèk lang yo pi konprann? Ki jan li posib? Se pou Ayiti

rekonèt sa kreyòl vle di pou peyi a. Se pou Ayiti rekonèt sa kreyòl ka fè pou peyi a. Kreyòl se

lang Ayiti, lang yo pi konprann pase lòt.

Bibliyografi :

Dejan, Iv. 2006. Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Pòtoprens: FOKAL.

“National School Scrabble Program, 2007.” Scrabble. 2007. 1 Dec. 2007

<http://www.hasbro.com/games/adult-games/scrabble/home.cfm?page=school>.

Casseus 4

Page 24: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Casseus 5

Page 25: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Yon Chans Pou Yon Chanj

Maisha Champagne, Inivèsite Laflorid

1. Entwodiksyon

Jodiya, lè nou gade jan Ayiti ye kounye a, nou wè anpil pwoblèm avèk sante pep

la, moun ki pa gen lajan pou manje, e gouvènman an ki pa fè anyè pou yo. Men,

Ameriken pa we lòt ki pwoblèm Ayiti genyen ki bay menm degre de pwoblèm, e se avèk

edikasyon timoun yo e alfabetizasyon de Ayiti. On gwo pousantaj de pèp la pa alfabetize.

Nan yo ki ka li, majorite yo pa ka li nan kreyòl, lang peyi a. Dejan di nan liv li ke sa se

paske sistèm edikasyon nan Ayiti pa travay men li sipoze travay pou timoun yo avanse

nan vi yo. Avèk Franse ke y ap itilize pou alfabetize timoun yo, yo pa nan kondisyon pou

devlope lang kreyòl la. Nan tout tan ke sistèm edikasyon te konsa, nou pa wè anpil efosè

pou chanje li. Men, gen moun tankou Dejan e Valdman ki bay yon ti fòs pou edike

Ayisyen nan Ayiti e nan Ozetazini sou chanjman nou bezwen. Avèk nouvo jwèt sa yo

rele Mò Kwaze Kreyòl Ayisyen, nou ka wè on lot chans pou pèp d’Ayiti alfabetize nan

lang yo e pa nan Franse.

Jwet Mò Kwaze se yon jwèt nouvo, men li jwenn yon ti popilasyon sou Inivèsite

Laflorid ki wè li deja. Moun la a aksepte jwèt sa, men nou pa konn si moun nan Ayiti ap

aksepte l. W ap gen moun ki ka di ke se yon jwèt ki vreman estipid e yo p ap jwe li. Alò,

w ap gen moun ki pa santi ke li fèt kòrèkteman, paske gen diferan dyalek nan Ayiti.

Moun sa yo ekri e pale diferen nan zonn sa yo. Men sa yo pa konprann, se jwet sa ap ede

moun pa sèlman li e ekri, l ap ede ekonomikman, pati akademik, e sosyete peyi a.

2. Ekonomi d’Ayiti

1

Page 26: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Depi 1980, ekonomi d’Ayiti desann anpil. Nou we plizye chanjman nan

gouvènman an e batay avék diferan sosyete nan peyi a. Se pou rezon sa yo ke Ayiti pa

devlòpe jan li sipoze. Gen anpil etid ki montre jan Ayiti ap tonbe dèyè lòt peyi ki nan

menm sitiyasyon. Plis ke katreven pousant moun nan popilasyon an viv télman pòv, yo

pa ka achte plis pase pen pou manje pou jou a.

Ekonomi an desann plis nan 2001 lè prezidan Aristide te la. Men nou wè

avansman nan 2006 lè Prezidan Preval vini. Plis ke swasant sis pousan plante pou lajan e

pou jwenn manje pou fanmi yo. Ayiti pa wè anpil avansman nan lòt travay tankou travay

pou administrasyon an, oubyen nan lasyans tankou dokte. Men jwèt tankou mo kwaze ka

chanje sa.

Dejan di ke nan Kiba avan 1960, plis ke katreven dis pousan nan popilasyon pa te

konn li, men apre Kastwo vini, li desann nimewo a pou jis ke l rive nan de pousan. Nou

pa konne ki sa Kastwo fé men nou ka wè jan Kiba avanse nan alfabetizasyon pèp la. Si

pèp d’Ayiti jwe jwèt sa e fè lot bagay ki ka fe edikasyon pi fasil, nou ka wè yon

avansman menm jan avèk Kiba.

Alò, alfabetizasyon pèp la ka fòme travay nan diferan pati ekonomi an tankou

administrasyon e lasyans. Plis moun ap konn ki jan pou li, e y ap ka fini lekol pou fè

bagay avèk tèt yo. Jodiya, gen plis dokte ki soti lòt peyi ki nan Ayiti pase dokte ki

Ayisyen. Avèk bagay tankou jwèt sa, nan sèt ou dis ane konn sa, n ap wè plis Ayisyen ki

dokte, ki avoka, e ki pwofesè. Alò moun sa yo ap ede ekonomi d’Ayiti. Ayiti ap avanse e

lòt peyi p ap gade l move jan.

3. Diferans nan Sosyete

2

Page 27: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Menm jan jwèt la ap ede ekonomi a, l ap bay yon kout men nan sosyete d’Ayiti.

Jodiya, ou ka achte jwèt ki rele mo kwaze nan san venteyen peyi diferan, e ou ka jwenn li

nan ventnèf lang diferan. Men pou ki sa nou pa genyen l nan kreyòl? Depi mil nèf san

katreven, popilasyon an t ap gwose rapidman. Jodiya, gen plis ke uit milyon moun. Pou

rezon sa, gen Ayisyen ki kite ale nan lòt peyi. Sa vle di ke Ayisyen anvayi lòt kote.

Radyo nan Ayiti kounye a fèt nan kreyòl e nou ka wè yon ti chanjman nan kilti peyi a.

Apre Aristide ale, Ozetazini ak lòt peyi voye èd pou moun yo. Yo jwenn avèk moun yo ki

rete nan Port-au-Prince, avèk moun abitan yo ki rete nan mòn yo.

Si se posib pou jwenn avèk moun sa yo, sa vle di ke jwèt la ka jwenn avèk yo tou.

Jwèt la ka asiste abitan yo aprann kreyòl kòrèkteman. Li ka ouvri je yo pou yo wè lòt pati

Ayiti genyen pou ofri yo. Si li ka edike moun, li ka chanje jan sosyete Ayiti mache. Gen

yon ti popilasyon Ayisyen ki gen yon travay, yon bèl kay, avèk yon bon ti machin. Men,

gen yon gwo popilasyon ki pa gen yon kay, yon travay, avèk yon machin pou fanmi yo.

Si nou edike moun yo, nou ka wè moun k ap eseye fè yon chanjman avèk vi yo. Menm si

yo pa gen anyen, y ap fè efò yo pou kite povrete a. Mwen panse se pou rezon sa ke nou

wè anpil moun ki pòv. Wi, yo pa gen lajan pou tèt yo, men gen moun ki pa konn ki sa yo

ka fè pou ede tèt yo.

Ou ka jwe jwèt la sou òdinatè, epi ou ka achte yon ti jwèt pou lè ou pati. Sa ka ede

timoun nan lekòl aprann pi fasil. Li ka gen mo pou tout subji yo. Menm granmoun yo ka

jwe. Jwèt la fet avèk gwo lèt pou moun ki pa ka wè tèlman byen. Si jwèt la fèt nan jan

diferan, ou ka gen yon mo kwaze pou lasyans, yon mo kwaze pou lang, yon mo kwaze

pou sante. Moun ap gen yon bon tan avèk jwèt la, e y ap edike tèt yo an menm tan. Si yo

3

Page 28: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

edike tèt yo, Ayiti ap gen mwens moun ki pòv, plis moun ki edike e ki fini lekòl, e yon

chanjman nan sistem sosyete.

4. Akademik sou Agòch, Timoun Sou Adwat

Menm si sosyete Ayiti avanse, fòk nou chonje ke premye pwoblèm nou sipoze

gade se timoun yo. Akademik d’Ayiti se kote tout pwoblèm sosyete avèk ekonomi a ale.

Se timoun yo ki soufri lè nou pa gen chanjman nan peyi a. Fòk nou gade si jwèt sa ka

pwòte chanjman an peyi a bezwen.

Nan peyi a, gen swasant sèt pousan nan timoun ki antre nan premye ane lekòl, e

nan pousan sa trant pousan rive nan sizyèm ane lekòl. Avèk plis ke 90 pousan nan lekòl

yo nan Ayiti prive, lekòl sa yo pa jwenn anpil èd nan men gouvènman an. Men, ou ka wè

ke fanmi vle timoun yo fè èfo pou ale paske yo wè lekòl tankou yon kle k ap ouvri pòt

pou chans e pou yon vi ki pi bon. Kounye a, Ayiti jwenn èd nan men lòt peyi avèk plizye

pwogram ki soti O Zetazini, tankou USAID. USAID voye moun ki ede yo vire jan sistèm

edikasyon Ayiti chita jodiya.

Men, tout moun konne ke timoun pa ka rete anpil tan chita nan yon klas ap tande

yon granmoun k ap pale sou bagay tankou lasyans ou istwa. Jwèt sa ka fè timoun vle rete

nan plas yo pou jwe jwèt la, an menm tan pou kontinye nan alfabetisasyon. Si nou gade

byen, jwèt la tankou yon chat k ap tann pou bèt la vini sou li pi pou manje li. Jwèt la ap

tann pou timoun yo vin chita pou jwe avèk li, epi àvan yo konn, jwèt la gen timoun yo. Y

ap wè ke yo p ap fè travay, se jwe y ap jwe. Ozetazini gen jwèt konn sa ki sanble yon

bagay ki pa travay, men se travay li ye paske timoun yo ap atrap yon leson. Se nan menm

4

Page 29: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

sans. Avèk jwèt la, nou ka wè plis timoun pase sizyèm ane lekòl, e k ap fini nèt avèk

lekòl.

5. Finisman

Avèk tout sa ki nou wè jwèt la ka ede, fòk nou mande tèt nou èske l ap fèt vreman

e si l ap rete pou anpil tan. Gen bagay, pa sèlman jwèt la, ki konn dèsparèt paske li pa fè

sa li sipoze fè pou sosyete. Se pou rezon sa ke nou gen moun tankou Pwofesè Ben avèk

lòt pwofesè e moun ki etidye bagay konn sa k ap wè ki sa jwèt la manke e ki sa yo ka

chanje pou fè l pi bon.

Te gen yon jwèt nan Ozetazini ki te rele “Hooked on Phonics” e li te ede timoun

aprann li e ekri. Yo te gen jwèt sa nan mil uit san katreven sèt e depase ane sa. Lè li fèk

kòmanse, li pa t jwenn anpil moun ki t ap eseye. Men avèk tan, jwèt la vin pi popilè avèk

timoun. Kounye a, yo gen menm jwèt la, men li ede timoun avèk bagay tankou lang e

matematik. Menm jan, jwèt mo kwaze a ap jwenn yon ti popilasyon k ap jwe li, e avèk

tan popilasyon an ap gwosi.

Lè m reyalize jan jwèt la ap avanse, mwen panse ke l ap monte nan senk ou sis

ane konsa. Mwen kwè ke l ap jwenn popilasyon an li bezwen. Men pou jwèt mo kwaze fè

lajan e pou jwenn moun yo ki bezwen tankou moun abitan yo, fòk li gen anpil moun k ap

travay sou li pou fè l vreman bon. Nan menm tan, fòk li gen moun k ap soti al montre l.

Nan angle yon rele sa “advertisement.” Gen anpil bagay ke moun fè tankou bagay nan

teknoloji, ki pa jwenn yon gwo popilasyon paske li pa t genyen gwoup moun sa yo ki t ap

soti fè lòt moun wè gen yon jwèt kon sa. Apre tout sa, mwen panse sou popilasyon

Ayisyen nan tout lemonn. Eske y ap ede tèt yo avanse nan vi sa?

5

Page 30: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Bibliyografi

Dejan, Ive. 2006. Yon Lekòl Tèt Anba nan Yon Peyi Tèt Anba. Pòtoprens: Fokal.

Jean-Betrand Arisitde. http://en.wikipedia.org/wiki/Jean-Bertrand_Aristide.

Latin America and the Caribbean.

http://www.usaid.gov/locations/latin_america_caribbean/country/haiti/

Valdman, Albert. 2007. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary. Albert Valdman:

IN. pg. 306, 743.

6

Page 31: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Yon Chanjman nan Peyi Ayiti

Merline Dieujuste, Inivèsite LaFlorid

“Kreyòl se prensipal chemen konesans pi fò Ayisyen

genyen espesyalman timoun ant 6 an ak 18 an.” -- Iv Dejan.

Entwodiksyon

Nan yon peyi kote majorite moun pale kreyòl, lekòl dwe fèt an kreyòl. Tout aspè

edikasyon dwe an kreyòl. “Nou dwe sèvi ak lang kreyòl la kòm yon mwayen pou elèv aprann li,

aprann ekri, develope konesans yo an divès branch…sa pa fè sans si elèv p ap kapab sèvi ak

kreyòl pou aktivite y ap 0mennen nan peyi yo, nan sosyete yo kote kreyòl dwe gen yon plas

ofisyèl, sitou nan ekriti.” Dejan di nan liv li: “moun deja gen sèten lide sou koze lang nan lespri

yo menm si yo pa konn sa.” Mwen jwenn istwa Dejan bay de mè lekol yo avèk ti kreten yo kòm

pi bon istwa nan liv la. Malgre elèv yo enskri nan lekòl katolik e y ale nan klas relijyon yo toujou

pa konnen sa yo dwe konnen. Akoz mwen di yo pa konnen sa yo dwe konnen sa pa vle di yo sot.

Yo pa konnen anyen nan franse men yo konnen anpil, pale anpil, yo mande anpil keksyon an

kreyòl: sa se lang manman yo.

Òtograf ayisyen

Nan liv, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba, Dejan esplike jan kreyòl yon lang ki pi regilye

pase lòt lang nan peyi a. Lang angle a genyen 40 fonèm men òtograf angle a ekri li 1120 fason

diferan. Kreyòl pi senp. Nou gen 26 oubyen 27 son deferan ki ekri 7 grenn fason diferan, depi

nan 1980. Lèt a, an, à, e, è, en, o, ò, on, ou bay menm son an nan nenpòt mo ou mete li. Angle

diferan paske li depann sou mo a; 2 mo ki gen menm lèt a ka pwononse diferan. Sa mwen pa

1

Page 32: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

kapab konprann se: poukisa nou gen òtograf sa depi lontan men nou pi pito sèvi avèk lang feblès

la (franse).

Ayiti: yon pè lang?

Iv Dejan (Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba) esplike kat pozisyon posib pou lekòl an

Ayiti. Premye pozisyon an mande pou fè lekòl an franse. Ayiti deja nan premye pozisyon; nou

gen sistèm sa deja. Sistèm sa pa travay. Li ap bay move rezilta. Dezyèm pozisyon an mande pou

sistèm lekòl la sèvi avèk kreyòl kòm wout pou franse. Twazyèm nan mande pou Ayiti gen de pè

lang. Gwo peyi ki gwo peyi pa gen pè lang e moun vle pou Ayiti gen pè lang. Li pa fè sans.

Dejan bay nou senk rezon li pa posib pou Ayiti gen pè lang. Poutèt rezon ekonomik, jewografik,

sosyal, pedagojik e tan, Ayiti pa ka gen pè lang. Ayiti pa kole avèk lòt peyi ki pale lòt lang pou

yo ka benyen nan lang nan. Pa gen ase pwòfesè ki pale ni kreyòl ni franse; pa gen ase tan. Dènye

pozisyon an, se pozisyon Dejan ap esplike nan tout liv li a. Lekòl an kreyòl nèt. Lekòl an kreyòl

fè sans poutèt Ayiti se yon peyi kote majorite moun pale kreyòl. Se yon minorite moun ki pale

franse, e yon ti ponyen men moun ki pale kreyòl e franse. Ayiti pa bezwen yon pè lang. Se poutèt

rezon sa Eskrab an kreyòl ta byen ede moun an Ayiti. Nou wè nan tout liv Dejan, li vle konvenk

moun: lekòl dwe fèt an kreyòl. Eskrab se yon jwèt ki trè senp. Mwen wè li tankou yon jwèt

nenpòt moun ka jwe. Li pli senp pou moun ann Ayiti, lang peyi a se kreyòl. Elèv an Ayiti ap pedi

bon ane de konesans poutèt yon sistèm lekòl tèt anba.

Yon lang kapab fikse?

2

Page 33: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Yon pawol mwen jwenn enteresan se lè Dejan ekri yon deklarasyon nan konstitisyon ki:

“…mete yon Akademi pou li fikse lang kreyòl la.” Lang kreyòl la pa ka fikse. Si yon moun vle

ranje yon lang sa vle di lang la gen yon pwoblem. Kòman ou fiske yon lang? Lang kreyòl la pa

kraze. Dejan di nou: “jou yo fikse [yon lang] se mouri yo mouri. Li esplike lespri moun toujou ap

fè mouvman, e lang lan an mouvman avè l. Dejan founi nou avèk yon solisyon pou pwoblèm

fikse lang la. Li di: “Yo [gouvènman] mete yon biwo, nan inivèsite leta a, pou li fikse yon

pwogram etid ak rechèch sou lang kreyòl la. Dekwa pou etid ak rechèch sa yo fèt anfòm, ann òd

epi selon prensip lasyans, e pou leta depanse lajan ki nesesè pou rechèch sa yo.”

Eskrab nan peyi Ayiti

Eskrab se yon jwèt ki ta byen bon pou moun ann Ayiti men fòk jwèt la akomode timoun

kòm granmoun; granmoun ki pa pase ban lekòl. Moun ki pale yon lang gen pouvwa pou yo

“rekonèt si fraz byen anfòm, oubyen si yo pa anfòm nèt.” Sa se avantaj moun ann Ayiti,

espesyalman elèv yo, ki jwe Eskrab an kreyòl ap genyen. Avantaj sa ap ede yo aprann ekri.

Ayisyen ap aprann prensip jwèt la e aprann ekri menm jan san yo pa konnen. Jwèt Eskrab an

angle enpòtan pou Ameriken. O Zetazini Eskrab kapab ede timoun kòm granmoun aprann eple

mo ann angle e li ka ede yo ekri tou. Menm bagay Eskrab fèt an angle, li kapab fè an kreyòl.

Eskrab an kreyòl se teknoloji Ayiti bezwen pou moun ka alfabetize nan peyi Ayiti. Jwèt la ta pi

benefisye elèv ann Ayiti ki chita nan lekòl ki fèt pou franse. Nan liv, “Yon lekòl tèt anba nan yon

peyi tèt anba,” Dejan esplike jan elèv ki ann Ayiti pa aprann an kreyòl; sa vle di granmoun yo

pa te aprann li e ekri kreyòl ositou. Entansyon jwèt la se pou moun ki ap jwe a fè mo avèk lèt yo

te chwazi nan yon chache san gade. Nan fè sa jwè a aprann ekri mo li konnen e sa li pa te

konnen. Elèv kapab sèvi avèk kòm yon aktivite estra pou elèv fè lakay yo. Li ta yon bon lide si

3

Page 34: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

pwofesè lekòl yo ta sèvi avèk Eskrab kòm yon jan pou elèv aprann vokabilè. Eskrab se yon jwèt

kote tout fanmi ka jwe.

Eskrab an kreyòl ta ede alfabetize Ayisyen pi vit pase lekòl te anba ki ann Ayiti. Mwen

wè Eskrab se yon pi bon altènativ pou timoun ak granmoun. Ayisyen ki pa gen tan ale chita nan

bann lekòl. Li pi bon pase chita nan bann lekòl paske elèv lekòl pa menm konprann sa y ap

aprann nan lekòl tèt anba.

Eskrab e òtograf

Dejan bay yon egzanp de kèk son mo an kreyòl fè. Nan jwe Eskrab moun ka aprann fè son mo e

son sa yo ka rete avèk yo e yo kapab kòmanse ekri kreyòl. M ap sèvi avèk tèt mwen pou yon

moman kòm egzanp. Mwen konnen mwen pa konn eple anpil mo an kreyòl, men pandan mwen

kòmanse jwe Eskrab mwen aprann pwononse lòt mo moun ki ap jwe yo eple. Li mwen

pwononse mo sa yo mwen ka chwazi se pou m mande moun nan defi oubyen si mo yo ekri a

bon. Jan mwen tande son mo yo rete avèk mwen e mwen ka ekri yon fraz sou son mwen tande.

Konklizyon

Dejan di nou nan dènye chapit la: leta se nou, nou se leta. Nan sans sa, se Ayisyen ki fè

leta, sa vle di leta dwe travay pou pèp ayisyen an; pou benefisye pèp ayisyen an. Nan peyi Ayiti,

gen yon sèl lang, si nou ta sèvi avèk li, nou ta byen avanse. Ayiti pa tankou lòt peyi, pa gen de

lang. Se yon sèl lang. Nou te ka yon peyi ki pwodui elèv entelijan. Olye nou nimewo 200 nan lis

peyi ki fò nan akademi, nou ta nimewo 3, 4 oubyen 5. Dejan konvenk mwen depi nan premye

4

Page 35: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

paj lè li di pou lekòl fèt an kreyòl. Anpil moun ap fache si kreyòl ta ranplase franse men kreyòl

se sa ki bon pou elèv an Ayiti. Ayiti bezwen yon chanjman e liv Dejan se premye pa pou

chanjman sa.

5

Page 36: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Ki Koze Alfabetizasyon Sa?

Mynoucka J. LaFalaise, Inivèsite Laflorid

Ayiti se yon peyi ki akonpli plizyè bagay ke menm lòt peyi jodi a poko akonpli.

Kòm premye peyi Nwa ki jwenn endepandans li, Ayiti se yon peyi ki vrèman fè pwogrè.

Malgre Ayiti rive nan pwen endepandans, sistèm lekòl ki egziste kounye a pa benefisye

elèv lekòl yo. Nan liv ki rele Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba, Iv Dejan diskite

sitiyasyon ki nan lekòl peyi d Ayiti. Malgre tout moun Ayiti leve e benyen nan lang

kreyòl, yo pèsiste fè lekòl yo an franse. Sa se yon enjistis ki fèt nan peyi a e genyen anpil

solisyon nou ka itilize kòm moun ki apresye edikasyon pou ranje pwoblèm nan.

Yon metòd ki ka ede ranje pwoblèm nan sistèm lekòl Ayiti

Yon bon sistèm edikasyon se yon bon fondasyon pou yon peyi. Li enposib pou panse ke

nan yon sèl jou, tout moun ki rete nan peyi d Ayiti ka alfabetize, men se ti pwogrè yon sèl

moun konmanse ki ka chanje e ranje sistèm lekòl la. Lè yon moun aprann li e ekri, li

ouvè pòt ke anpil moun pa t janm kwè te ka egziste. Li p ap fè sans si pou mwen ta rele

pwoblèm lekòl Ayiti a senp. Lè koze kilti yon moun se rasin pwoblèm nan, pou yon

moun kreye yon solisyon vin yon jan konplike. Anpil moun ki abite Ayiti kounye a

toujou genyen mantalite ke Franse se yon lang ki pi siperyè pase lang kreyòl; epi kreyòl

se yon lang tout moun deja atrape. Pou yon moun ki pa rete nan peyi a, li ka sanble

tankou ide sa ridikil. Lè se avèk ide sa yon moun leve, menm si li ka pa yon bon ide, li ap

vrèman difisil pou chanje. Elèv ki ap etidye pwoblèm ki nan peyi d Ayiti vle ede moun

ki nan peyi a e chanje sistèm lekòl la devlope yon jwèt ki ka ede sitiyasyon an. Non jwèt

1

Page 37: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

sa rele Eskrab. Jan jwèt sa devlope, yon moun ka aprann diferan mo e an menm tan

patisipe nan jwe jwèt sa. Ayiti genyen yon kilti kote jwe jwèt vrèman popilè. Eskrab se

yon jwèt kote tout moun ka jwi lè yo ansanm e aprann diferan mo an menm tan. Lè yo

aprann diferan mo sa yo, vokabilè yo ap genyen plis varyete. Se avèk ti efò sa yo Ayiti

ap kapab grandi e rezidan ki rete nan peyi a ap kapab kòmanse apresye edikasyon.

Diferans ant lekòl Ayiti avèk lòt peyi

Timoun o Zetazani kòmanse ale lekòl kòmase nan laj 4 an. Dejan di nan liv li a ke distans

elèv timoun o Zetazani yo rive nan yon sèten laj, yo deja benyen nan plizyè diferan mo

epi vokabilè yo grandi avèk chak jou ki pase. Se konsa Ayiti bezwen ankouraje elèv

timoun yo pou yo aprann diferan mo e renmen aprann. Timoun yo ka pa t janm genyen

chans renmen tèt yo si yo pa janm tande mo ankourajman epi si yo pa genyen abilite

aprann diferan bagay nan lekòl yo. Jwèt sa se pa yon jwèt yo moun ap senpleman jwe

pou yo pa janm aprann anyen ladan li. Jwèt sa ka chanje kondisyon Ayiti epi tout moun

ka genyen yo nouvo chans aprann li e ekri. Lè reziden Ayiti yo alfabetize, sa va ouvè

yon lòt pòt pou yo e plizye opòtinite ke yo pat janm kwè ta vin posib pou yo. Plizyè

imigran Ayisyen ki ale nan diferan peyi, pa t janm genyen chans pou yo aprann paske yo

pa t janm aprann li e ekri nan lang manman yo. Paske yo pa konnen li menm, li vin pi

difisil pou yo aprann yo lòt lang.

Solisyon pou Ayiti: Eskrab

2

Page 38: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Plizyè moun ka di ke yo pa wè kijan yon jwèt ka fè tout chanjman sa. Malgre

rezon moun jwe diferan kalite jwèt se paske yo vle fè konpetisyon avèk kamarad yo, jwèt

Eskrab la bay moun yo opòtinite pou yo aprann vokabilè kreyòl la Sitiyasyon

nan peyi Ayiti fè li pi difisil pou moun ale lekòl. Nan liv Yon lekòl tèt anba nan yon peyi

tèt anba, Dejan pale sou diferan pwoblèm sistèm lekòl la genyen. Nan lekòl yo, pwofese

yo fè leson an franse;yon lang ke majorite timoun Ayiti pa konprann.

Sa ki ap yon pi gwo benefis nan jwèt Eskab la, se ke jwèt la fèt an kreyòl, yon lang tout

timoun ann Ayiti konprann. Kreyòl se yon lang tout moun konprann paske se avèk lang

sa yo leve. Tan e pwoblèm ekonomik, se de gwo pwoblèm ki rezon ke anpil moun pase

vi yo san yo pa janm ale lekòl. Travay e soufrans pran peyi a, san yo pa janm genyen

chans wè vi yo. Malgre tout pwoblèm sa yo egziste, moun nan peyi a toujou jwenn tan

pou yo jwe yon jwèt. Lè moun pran tan pou yo jwe yon jwèt, li ta nan enterè yo pou yo

jwe yo jwèt ki ka ede yo aprann diferan mo ki nan òtograf kreyòl la.

Vrè Endepandans

Sistèm òtograf ki devlope pou kreyòl pa genyen anpil tan depi li devlope. Menm

jan li pa genyen anpil tan depi li fèt, plizyè moun ann Ayiti rete san yon pa janm ekspoze

avèk sistèm òtograf yon lang ke yo deja konnen. Angiz moun ki genyen edikasyon yo

aprann e montre lòt moun sistèm kreyòl la, yo pran tout tan yo ap etidye franse. Ayiti

genyen endepandans li pou plis ke 200 ane, li lè pou yo vrèman pran endepandans yo nan

men Lafrans. Vrè endepandans se lè tout moun ka alfabetize e yo ka vin moun endepan

ki ka ede tèt yo. Lè yon moun pa konn li, li fè li vrèman difisil pou yo fè pwogrè. Sa ki

pi mal, se Frans pa kenbe men moun Ayiti pou yo pa aprann lang yo, men plizyè “lelit”

3

Page 39: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

ann Ayiti pa reyalize ke lang kreyòl la nesesè pou devlòpman peyi a. Tout lòt peyi fè

lekti yo nan lang manman yo, men Ayiti rete dèyè e yo fè lekti yo nan yon lang etranje.

Se pou tout rezon sa yo devlòpman jwèt sa vrèman enpòtan pou Ayiti.

Li pa janm twò ta pou fè pwogrè nan yon peyi ki genyen pwoblèm. Sa ki pi mal,

se lè tout moun wè yon pwoblèm epi yo pa janm fè anyen pou yo ranje sitiyasyon an.

Lekòl ann Ayiti poko rive nan yon pwen kote yo pa kapab ede elèv yo vin konpetan nan

òtograf kreyòl. Tout moun dwe genyen yon chans pou yo aprann. Edikasyon kapab

ouvè yon pòt pou plizyè moun. Anpil moun nan lòt peyi pa janm reyalize ki jan yo beni

pou yo genyen yon chans jwenn yon bon edikasyon. Si ou mande moun nan peyi d Ayiti,

anpil nan yo ap di ou ke yo anvi aprann. Li pa fè sans ke menm moun ki rele tèt yo

Ayisyen, se menm moun sa yo k ap fè mechanste epi y ap kenbe moun ann Ayiti ann

esklavaj toujou. Esklavaj pa egziste kòm yon gwoup moun kap eseye kolonize yon lòt

gwoup moun. Men jan li egziste nan peyi Dayiti se ke toujou genyen moun kap kontwole

majorite moun ki abite nan peyi a. Genyen yon minorite moun ann Ayiti ki pale franse.

Gwoup moun sa yo vle pou majorite moun ann Ayiti itilize franse kòm lang yon pale

nòmalman. Dejan di ke plis pase katrevandis pousan moun pa konprann franse menm

ann Ayiti. Pousantaj sa a, enkli yon seri pwofesè ki pa vrèman konprann franse pou tèt

pa yo. Lelit ann Ayiti kwè se yon byen y ap fè lè yo kenbe lang franse kòm lang pou fè

lekti ann Ayiti. Lè yon moun pa bay lòt moun opòtinite pou yo aprann, se kòmsi se nan

esklavaj ou kenbe yo. Plizyè ewopeyen lontan pa t kite esklav yo aprann nan lekòl paske

yo te kwè ke esklav yo t ap revòlte. Kòm yo jan pou yo kontwole yo, yo pat kite yo

jwenn konesans.

4

Page 40: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Yon sitiyasyon ki byen grav men li pa twò ta

Sijè ke Dejan diskite nan liv li a pa t an ven. Sitiyasyon nan lekòl Ayiti bezwen

chanjman. Elèv yo bezwen delivrans. Si yon jwèt kòm eskrab kapab fè yon diferans nan

lavi moun ann Ayiti, se prèske yon enjisitis ki t ap fèt si nou pa distribiye jwèt sa nan peyi

a. Pa genyen rezon nan ane 2007 pou moun pa kapab jwenn yon bon edikasyon. Valè

kòb ki depanse sou rad, bijou, avèk lòt bagay ki pa itil moun anyen, pa genyen rezon pou

Ayiti pa ta jwenn sipò pou elèv yo ka jwenn yon edikasyon. Lè a rive pou chanjman sa

fèt. Se tan kap gaspiye e moun ap mouri anvan yo jwenn yo chans jwi pi bon kado ke

Bondye bay. Kado sa se lè yon moun aprann yon bagay yo kapab kenbe avèk yo pou tout

vi yo.

Bibliyografi

Dejan, Iv. Yon Lekòl Tèt Anba Nan Yon Peyi Tèt Anba. Pòtoprens: FOKAL (Fondasyon

Kilti Ak Libete), 2006.

5

Page 41: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Mo Kwaze ak Iv Dejan Theresa Murray, Inivesite Laflorid

1. Sistèm gramè ak Mo Kwaze

Tankou Dejan, m kwè moun konnen sistèm sentaks ak sistèm gramè menm si yo pa

konnen yo konnen sa nan tèt yo. Mwen kwè, menm si moun pa kapab li ak ekri, yo konnen ki

jan pou pale pou lòt moun kapab konprann yo. Depi moun benyen nan yon lang, epi sèvi ak yon

lang, menm si yo trè piti, y ap konnen si bagay y ap di pa fè sans nan lespri yo. Tout ti egzanp

Dejan bay esplike sa nan yo bon jan, epi m te byen kontan e m te konprann Dejan (lè sa a).

Dejan di yon bèl bagay lè li pale sou moun ann Ayiti ki pa gen vokabilè franse nan tèt yo.

Paske moun ann Ayiti leve nan kreyòl, se sistèm gramè sa a yo ta dwe sèvi avèk. Se byen terib,

lekòl ann Ayiti ap fè tèt timoun pete paske yo fè lekòl an Franse. (M vle di ke m pat konprann

Franse a Dejan te ekri— pou ki sa li fè sa?) Pwofesè yo ta kapab esplike yon kantite gwo bagay

difisil nan kreyòl, epi tout timoun yo ta kapab vrèman vre aprann. Pwofesè yo pa ta bezwen

grennen lang Franse a san timoun yo konprann lide a. Tout peyi a ta kapab avanse paske sèvo

moun ki te gen tan ale nan lekòl ta kapab ede lòt moun (ki pa gen edikasyon) ranje bagay nan

Ayiti. Lè se repete w ap repete yon bagay ki pa fè okenn sans, ki jan w ap kapab konprann ni

aprann anyen? Sitiasyon sa a se yon gwo betiz, epi viktim betiz la se tout timoun nan lekòl ann

Ayiti!

Si m panse sou Mo Kwaze, m kwè nepòt jan moun ann Ayiti kapab vin li ak ekri se yon

bon bagay: Mo Kwaze bay yon chans pou sa. M kwè Dejan ta byen kontan si kreyòl ta vini pi

rekonèt (epi pi respekte) nan lavi moun nan Ayiti epi yon jwèt se yon bon jan pou prezante yon

lide san moun konnen se edikasyon vre. Si nou ta fè timoun konnen jwèt la, nou ta kapab fè

granmoun enteresen ladann tou.

1

Page 42: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

2. Mo Kwaze nan legliz

Lè m panse sou Dejan pou semenn sa a, m kwè Dejan ta kontan si nou ta kapab fè Mo

Kwaze yon bagay moun ta kapab jwenn nan legliz, oubyen apre legliz, lè tout moun ap pale epi

fè ti koze yo. Dejan te ekri sou moun nan legliz, epi li di nou si yo pa vle vin tèt anba (tankou

sistèm lekòl), yo te bezwen fè legliz nan kreyòl paske se sa tout moun konprann vreman. M kwè

anpil moun nan Ayiti konn ale nan legliz, epi si nou ta mete Mo Kwaze nan kote sa a, anpil

moun ta kapab vin aprann sistèm òtograf kreyòl. Nou ta kapab rele li yon pwojè pou lasante

kominotè a, epi moun konn respekte bagay konsa. Si granmoun ak timoun jwenn jwèt sa a nan

yon legliz, yo ta kwè li te yon bon bagay, pa yon jwèt pou moun nan lari. Nou ta kapab

popilarize jwèt la konsa.

3. Mo Kwaze se yon zouti

Dejan pale nan chapit sa yo sou plizyè lòt lang ki pi konplike pase kreyòl. Paske Dejan se

yon moun ki lengwis, epi m wè li fè anpil tan panse ak pale sou kreyòl (ak lòt lang), m kwè l ap

bay verite. Li di nou kreyòl sèvi ak 26 oubyen 27 son diferan, epi li gen yon bon sistèm òtograf

ki ofisyèl, modèn epi regilyè depi 1980. Pou rezon sa a, nou ta kapab montre moun ann Ayiti ki

jan pou yo vin li ak ekri an bon kreyòl pi fasil pase franse. Mo Kwaze a bay nou yon zouti pou

sa. Lè moun ap konpoze ti mo yo, y ap aprann kanmenm. Nou ta sèlman bezwen te gen moun

kap jwe ki konn li ak ekri kreyòl (epi ki fò ladan). Si nou ta mete yon ti diksyonnè nan jwèt la, li

ta fè li pi fasil pou moun lè y ap aprann.

M panse nou ta dwe jwenn moun pou fè envèstisman nan jwèt Mo Kwaze paske san

lajan, lap difisil pou nou mete l nan men moun Ayiti yo.

2

Page 43: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

4. Tout lekòl ta dwe fèt an kreyòl

M byen kontan nou fini ak Dejan kounye a. Lè m panse sou liv la, m wè Dejan se yon

moun ki edike, epi m kwè li se yon nonm ki gen anpil lespri. M wè li panse sou anpil bagay

enpòtan moun ta dwe gade. M dakò avek li lè li di tout lekòl ann Ayiti ta dwe fè tout pwofesè yo

fè tout leson an kreyòl. Men, li bezwen tande lide sa a: li pale anpil sou menm bagay plizyè fwa,

epi sa kapab anbete moun lè y ap li yon liv. Dejan bezwen konnen tout moun pa gen tèt di! Li pa

bezwen di nou koze li a swasanndisèt fwa sèt fwa, non!

M kwè Dejan bay bon rezon ki esplike pou ki sa Ayiti pa kapab vin yon peyi ki gen pè

lang. Menm si Ayiti kontinye itilize franse ak kreyòl, li di nou pa gen yon lòt peyi ki fè sa

kounye a. Li pa pratik pou yon peyi ale chache yon lang etranje lè yo deja gen yon bon lang yo

kapab sèvi avèk. Si Ayiti vle fè timoun vin granmoun ak bon sèvo, se pou yo ranje sistèm lekòl

la. Se pou tout moun ann Ayiti jete vye lide ki di kreyòl pa bon, oubyen franse a pi bon pase

kreyòl.

5. Mo Kwaze kapab ede moun

Mo Kwaze a kapab ede moun ann Ayiti vin pi alèz ak kreyòl pou lang prensipal e ofisyèl.

Lè moun lelit yo wè kreyòl kòm yo gwo chèf jwèt, moun sa yo pa kapab di lang kreyòl pa yon

vre lang. Moun lelit yo pral wè nan je yo kreyòl la se yon bèl lang ki gen bon òtograf. Moun ki

rete an deyò kapab wè menm bagay la, epi yo kapab kenbe tèt yo wo, menm si yo pa konn pale

franse a. Si tout pèp Ayisyen yo te konnen yon bel jwèt tankou Mo Kwaze an kreyòl t ap

pwodui nan yon lòt peyi, tankou Zetazini, jwèt la ta kapab montre tout moun yo genyen yon lang

ki vreman vre. Men, m kwè li ta pi bon si Ayiti ta pwodui jwèt la paske lajan an ta kapab ede yo.

3

Page 44: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

6. Ki jan n ap jwe Mo Kwaze

M kwè li trè enpòtan pou nou vin konprann ki jan nou pral jwe Mo Kwaze. Lè nou t ap

pale sou sa nan klas Ayisyen, nou te wè ki kalite pwòblem nou kapab jwenn lè nou jwe fonetik,

oubyen pa fonetik. M kwè li ta byen si nou ta kapab jwe anpil jwèt fonetikman, epi anpil pa

fonetikman pou nou kapab wè ki jwèt pase pi bon. M kwè li pral pran tan pou nou kapab wè ki

jan ta pi fasil epi pi bon. Se pou nou devlope yon rezon ki fè sans pou youn oubyen lòt. M kwè li

ta yon bon bagay si nou ta pale ak yon moun ki devlope Mo Kwaze nan yon lòt lang ki ta kapab

pale sou sa pi byen. Se pou jwèt la bay yon jan pou mete mo ak plizyè let, epi lè m tap jwe, m wè

sa tré difisil. M pa konnen si yon jan kapab fè jwèt la bay pi bon chans pou mete pi gwo mo.

Alfabetisasyon se yon bagay tout moun bezwen vin konnen. Lè m te tande nan klas 50%

moun ann Ayiti pa konn li ekri, m vin sezi. Ak Mo Kwaze, nou kapab fè yon diferans nan lavi

moun sa yo ann Ayiti. Nou kapab ede anpil moun ki p ap jwenn yon lòt chans pou fè sa. Anpil

moun pòv p ap janm jwenn yon edikasyon nan lekòl, men m kwè anpil moun kapab jwenn jwèt

sa a . Moun ki konn alfabetize kapab jwenn pi bon djob, epi yo kapab fè plis lajan. Si nap mete

plis lajan nan men moun pòv, n ap fè yon bagay ki vreman bon.

7. Se Ayisyen mwen ye

M wè menm, m renmen jwe Mo Kwaze an kreyòl. Lè m ap jwe, m santi m konn kreyòl

la. M santi sa nan kò mwen, nan kè mwen epi nan lespri mwen. Li fè m kontan paske m konnen

se moun Ayisyen m ye. Pa gen anpil moun ki kapab di sa. Manman mwe pa te kontan li te

Ayisyen, epi sa rete avèk mwen. Lè m nan klas Ayisyen epi lè nap jwe, m konnen se moun

Ayisyen mwen ye. Se pwofesè nou ki fe sa pi fasil paske se yon bon, bon pwofesè Ben ye!

4

Page 45: University of Floridaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/61/00001/Binder2.pdf · 2010. 3. 18. · Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen Daphney Pascal Inivèsite Laflorid Entwodiksyon

Bibliyografi

Dejan, Iv. 2006. Yon Lekòl Tèt Anba nan Yon Peyi Tèt Anba Potoprens: Fokal

5