title for amr 36/001/2013 - amnesty international · 3/ kad jiridik entenasyonal 11 dwa pou gen bon...

46
‘PA GEN KOTE POU ALE’ MOUN YO FÒSE DEYÒ NAN KAN YO

Upload: others

Post on 18-Jan-2020

6 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

‘PAGENKOTEPOUALE’MOUN YO FÒSE DEYÒ NAN KAN YO

HC_3908_Haiti_cover:Landscape 28/11/2012 13:13 Page 2

Amnesty International se yon mouvman global ak 3 milyon manm nan plis pase 150 peyiak teritwa kap fè kanpay pou kwape abi grav sou dwazimen.

Vizyon pa nou se pou tout moun kapab jwi tout dwa ki enskri nan Deklarasyon Inivèsèlsou Dwamoun ak lòt estanda entènasyonal sou dwamoun.

Nou pa genyen koneksyon ak okenn gouvènman, ideyoloji politik, enterè ekonomikoubyen relijyon e se manm nou yo ak donasyon piblik la ki finanse n.

Pibliye pou premye fwa an 2013 paAmnesty International LtdPeter Benenson House1 Easton StreetLondon WC1X 0DWUnited Kingdom

© Amnesty International 2013

Endèks: AMR 36/001/2013 Haitian CreoleLang orijinèl: AngleEnprime pa Amnesty International,International Secretariat, United Kingdom

Tout dwa sou piblikasyon sa a rezève. Piblikasyon sa a pwotejepa lalwa. Sepanda, moun kapab kopye l – men yo pa genyendwa vann repwodiksyon l – pa nenpòt ki metòd san yo pa peyepousa sèlmam si yo sèvi ak repwodisyon l pou fè pwomosyon,kanpay oubyen edikasyon. Moun ki kontwole dwa soupiblikkasyon sa a mande pou moun ki repwodwi l anrejistrelentansyon l ak pwopriyetè l pou pèmèt li evalye enpak li.Moun kap kopye dokiman sa a nan nenpòt lòt sikonstans,itilize l nan lòt piblikasyon, tradwi l, oubyen adapte l, fèt pouresevwa pèmisyon pa ekri nan men enstitisyon ki pibliye l;yo kapab peye pousa.Pou mande pèmisyon, oswa pou nenpòt lòt kesyon,tanpri kontakte [email protected]

Foto sou kouvèti: Moun k ap viv nan Kan Mozayik, komin Dèlma,Pòtoprens, Ayiti, ap fè demonstrasyon paske y ap fòse yo kitekan an, septanm 2011. Jou ki te 4 me 2012 la, ofisyèl minisipalitelokal yo te fòse tout 131 fanmi ki te rete nan kan yo deyò.© Amnesty International

amnesty.org

HC_3908_Haiti_cover:Landscape 28/11/2012 13:13 Page 3

SA KI ANNDAN1/ ENTWODIKSYON 4

Metòd 5 2/ SOTI NAN KAY KI PRET POU TONBE RIVE NAN KAN TANPORE 7

Sektè lojman an avan tranblemantè a 7 Lojman ak pòvrete an Ayiti 8 Kondisyon moun yo ap viv nan kan yo 9 Vyolans sou fanm nan kan yo 9

3/ KAD JIRIDIK ENTENASYONAL 11 Dwa pou gen bon lojman 11 Obligasyon pou pwoteje moun ki deplase anndan peyi yo 12 Entèdiksyon pou mete moun deyò ak fòs 12

4/ METE MOUN DEYÒ AK FOS 15 Estad Sylvio Cator: kote yo mete moun deyò ak fòs san rete 15 Yo pa vrèman konsilte moun yo epi yo pa bay yo ase avètisman 17 Kan Mozayik: otorite vil la mete moun yo deyò ak fòs 17 Presyon, kraponnay ak vyolans 18 Jou yo te mete moun deyò ak fòs nan Plas Jeremi 18 Konsekans sa genyen sou mwayen moun yo pou viv lè yo mete yo deyò ak fòs 20 Dòmi nan lari apre yo vin mete yo deyò 21 Tout yon vi anba dekonb 22 Pa gen ase lojman altènatif 22

5/ SOLISYON LOJMAN APRE TRANBLEMANTE AYITI A: YO RETIRE DWA MOUN NAN SOLISYON AN 23

Pwojè 16/6 23 Ekri yon politik pou lojman nasyonal 23

6/ DENYE PAWÒL AK REKÒMANDASYON 26 Rekòmandasyon pou gouvenman Ayiti a 27 Rekòmandasyon pou òganizasyon k ap bay lajan ak lot gouvenman ak ajans entenasyonal 28

REMAK POU FINI 29

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

3

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

4

1. ENTWODIKSYON

"Lojman se yon pwoblèm ki afekte moun ki rete nan kan ak moun ki rete nan bidonvil yo. Yo pa rann kont lojman se yon dwa moun li yo...Se yon gwo defi nou gen jodiya pou mobilize moun.” Jackson Doliscar, Moun ka p defann dwa moun an Ayiti, Fos Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay – FRAKKA

Plis pase twa ane apre gwo tranblemantè ki te touye plis pase 200,000 moun ak anviwon 2.3 moun san kay, yon dizèn milye fanmi toujou ap viv anba moso pwela ki tou chire ak moso tòl. Pifò nan moun ki deplase nan peyi a se fanm ak timoun.1 Pou yo menm, kay se pa yon kote ki gen konfò ak sekirite.

Lavi pou moun ki te vin san kay 12 janvye 2012 te yon tèt chaje ki pap fini paske y ap goumen pou yo ak fanmi yo viv pandan li difisil pou yo jwenn dlo pou bwè, asenisman, swen sante, lekòl oswa lòt sèvis esansyèl. Ensekirite, gwo chomaj ak menaj pou mete yo deyò pouse yo pi ba nan echèl pòvrete a. Malgre tout sa, kapasite moun sa yo pou fè fas ak difikilte ak detèminasyon yo pou viv ak diyite montre nou kokennchenn posiblite ki gen lakay pèp ayisyen an pou rekonstriksyon - yon posiblite ki pa ko ka yon reyalite paske leta ayisyen an pa respekte pa garanti dwa moun yo.

Nan sosyete Ayiti, fanm se poto mitan. Se yo ki pran pifò responsablite nan kay la pou okipe timoun, fè travay nan kay la epi, nan kèk ka, okipe granmoun ak lòt fanmi yo. Nan plizyè ka, se fanm ki fè lajan pou bay fanmi a manje, paske se yo ki ap travay nan sektè enfòmèl la. Malgre sa, yo pa bay fanm enpòtans li pou wòl enpòtan sa li jwe a. Diskriminasyon, vyolans, chay pwoblèm pòvrete sou fanm (sitou sa yo ki antèt kay yo) epi paske yo pa gen dwa pou pran desizyon afekte vi fanm yo chak jou. Bagay sa yo gen yon gwo konsekans sou kapasite fanm yo

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

5

pou yo jwi dwa moun yo tankou dwa pou yo jwenn bonjan lojman. Kote ou santi konsekans diskriminasyon sa a pi fò se nan kan pou moun ki deplase ki te genyen apre tranbleman tè a: pòvrete, vyolans kont fanm, pwoblèm dlo, asenisman ak lòt sèvis, ak move kondisyon moun yo ap viv.

Kantite moun ki te deplase anndan peyi a ak kantite kan yo te kòmanse desann depi yo te fin monte pi wo an jiyè 2010 ak anviwon 1.5 milyon mou k ap viv nan 1,555 kan. Plizyè milye fanmi te kite kan yo pou abri tanporè oswa lòt kalite akomodasyon grasa diferan pwojè ak pwogram gouvènman ak te kowòdone, ak soutyen plizyè ajans entènasyonal. Men, sanble2 kantite moun nan kan nou wè ki t ap desann yo se paske yo te fòse anpil moun deyò. Amnisti Entènasyonal te dokimante yon mòd konpòtman nan fason yo fòse fanmi ki deplase anndan peyi a ak jan otorite yo tolere sa. Fason yo mete mou yo deyò san yo pa respekte lwa ak pwoteje moun yo daprè egzijans plizyè trete dwa moun entènasyonal Ayiti fè pati. Sa yo gen ladan yo konsilte moun ki afekte yo pou wè si gen lòt altènatif tan pou mete yo deyò, bay yo ase avètisman, bay posiblite pou jwenn solisyon legal, konpansasyon, ak lòt kote pou rete pou sa yo ki pa ka jwenn poukont yo. Konstitisyon ayisyen an rekonèt dwa pou moun jwenn yon kay ki apwopriye pou rete tou.3

Selon dènye chif Òganizasyon Entènasyonal Pou Migrasyon (IOM), depi fen mas 2013, yo te fòse 16 104 fanmi yo deyò tere oswa pwopriyete prive ak piblik san yo pa ba yo yon solisyon legal oswa yon lòt kote pou rete.4 Pifò nan ka sa yo se moun ki se tè pa yo oswa se pwopriyete tè yo ki itilize kraponnay ak vyolans pou pran tè yo nan men moun ki deplase yo. Gen detwa grenn ki menm ki pou wè ak pwojè ofisyèl ki te planifye pou restore espas piblik yo, epi ofisyèl lokal ak lapolis fè pati yo. Epi IOM te di nan rapò li pwopriyetè prive oswa otorite yo te fòse plis pase 21,000 fanmi – anviwon 75000 moun- prèske youn sou senk fanmi yo k ap viv nan kan yo - pou yo kite kote yo rete a.5

Rapò sa a montre kijan gouvènman an pa te pwoteje moun yo te fòse mete deyò yo epi yo pa te pwoteje yo kont vyòl dwa moun pandan rekonstriksyon apre tranblemantè a. An plis, rapò sa a diskite kijan politik pou lojman nasyonal la pa te abòde bagay sa yo epi yo bezwen gen yon politik ki vize pou garanti dwa pou moun gen bon lojman, pwoteksyon kont diskriminasyon ak dwa pou gen egalite.

Pou fè dwa pou gen bon lojman yon reyalite pou tout moun, gouvènman Ayiti a dwe mete dwa moun nan sant jefò rekonstriksyon an ak politik nasyonal pou lojman li yo. Li dwe rasire li tout sektè nan sosyete patisipe nan planifikasyon ak enplemantasyon politik pou lojman epi mete li an plas ak ranfòse pwoteksyon legal pou yo pa fòse moun yo deyò.

Rapò a fè pati kanpay Demann Diyite Amnisti Entènasyonal, ki konsantre sou vyolasyon dwa moun ki se yon motè pou pòvrete. Nan kanpay sa a, Amnisti Entènasyonal ap konsantre sou vyolasyon dwa moun kont moun k ap viv nan vilaj ki pa fòmèl ak bidonvil yo. Epi tou Amnisti Entènasyonal ap mande tout gouvènman pou kanpe ak zafè mete moun deyò ak fòs la, asire moun yo jwenn aksè egal ego nan sèvis piblik, epi ankouraje moun ki rete nan vilaj enfòmèl ak bidonvil yo patisipe nan desizyon ki gen konsekans sou vi yo.

METÒD

Rapò sa a baze sou twa vizit delege Amnisti Entènasyonal te fè an Ayiti pou jwenn enfòmasyon an septanm 2011 ak an me ak jen 2012 ki konsantre sou moun yo mete deyò yo ak lòt

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

6

vyolasyon dwa moun nan kontèks moun yo te deplase apre tranbleman tè a nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.6 Li travay plis sou 22 diskisyon gwoup ak entèvyou pèsonèl ak fanm yo te mete deyò oswa ki t ap viv nan kan pou deplase yo te menase y ap mete deyò, ak fanm yo te mete yon lòt kote sou Pwojè 16/6 gouvènman an (gade paj 26). Nou te chwazi ak idantifye patisipan yo ak asistans òganizasyon dwa moun an Ayiti. Pifò nan fanm Amnisti Entènasyonal te poze kesyon yo te responsab kay yo epi se yo ki te sous prensipal lajan pou fanmi yo.

An total, eksperyans anviwon 150 moun te ede nou prepare rapò sa a. Yo se ansyen rezidan Chanmas gouvènman an te voye yon lòt kote pou rete; moun yo te fòse mete deyò nan plizyè diferan kan, tankou Estad Sylvio Cator, Kan Django, Kan Mozayik, Kan Gras Vilaj; moun ki rete kounye a nan Kan Kanaran, Kan Mòmon, Kan Gras Vilaj, Kan Pastè Eddy François ak Jalouzi, ak plis toujou. Pou respekte vi prive, nou pa te mete opinyon moun yo nan rapò sa a amwenske yo te ban nou pèmisyon pou fè sa.

Entèvyou sa yo te plis konsantre sou kondisyon moun yo ap viv ak jan sa te afekte moun yo lè yo fòse mete yo deyò oswa menase yo y ap mete yo deyò. Nan pifò ka nou te dokimante yon moun yo mete deyò nan rapò sa a se paske Amnisti Entènasyonal te pale ak moun nan yo te fè sa. Men, gen kèk, se òganizasyon dwa moun Ayiti ki te dokimante yo.

Amnisti Entènasyonal ta renmen remèsye òganizasyon kominotè yo ak moun ki rete nan kan pou ki te pataje istwa yo ak espwa yo pou yon vi ki gen diyite. Kapasite yo pou fè fas ak pwoblèm se yon sous enspirasyon pandan yo ap kontinye fè kanpay pou dwa yo nan yon kontèks ki difisil nan plan politik, sosyal ak ekonomik.

Amnisti Entènasyonal ta renmen di òganizasyon sa yo yon gwo mèsi: the Refugees and Repatriates Support Group (Gwoup pou Apiye Rapatriye ak Refijye yo, GARR); the Force for Reflexion and Action on Housing (Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay, FRAKKA); the Platform of Haitian Human Rights Organizations (Platfòm Òganizasyon Ayisyen pou Dwa Moun, POHDH); the Institute for Technology and Training (Enstiti Teknoloji ak Animasyon, ITECA); the Platform for an Alternative Development (Platfòm ayisyen kap plede pou yon devlòpman altènatif, PAPDA); Haitian Women in Solidarity (Solidarite Fanm Ayisiyen, SOFA);Biwo Avoka Entènasyonal; the Commission of Women Victims for Victims (Komisyon Fanm Viktim pou Viktim, KOFAVIV); ak Gwoup pou Defann Oprime yo (DOP) paske yo te pataje lide yo sou zafè dwa moun fanm ak rezidan kan ak bidonvil yo ap sibi nan pòtoprens ak lòt kote ann Ayiti. Epi tou Amnisti Entènasyonal rekonesan pou tout aktivis kap goumen pou dwa moun yo pou asistans yo nan domèn nan ak kontribisyon yo, ki te anrichi rapò sa a.

Pandan nou te Pòtoprens, delege Amnisti Entènasyonal te rankontre ak reprezantan gouvènman ayisyen an; chèf Polis Nasyonal Ayiti; Komisè Gouvènman Pòtoprens; Direktè Inite Konstriksyon Lojman ak Batiman Piblik, (UCBLP); responsab Depatman Dwa Moun MINUSTAH a ak reprezantan ONU-Habitat, Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD) an Ayiti ak Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (IOM).

Amnisti Entènasyonal te ekri Prezidan Repiblik la , M. Michel Martely; Premye Minis la, M. Laurent Lamothe; Biwo Pwotektè Sitwayen an; Majistra Pòtoprens la; ak Majistra Dèlma a, pou rankontre ak yo. Yo te swa refize demann la oswa pa te reponn.

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

7

2. SOTI NAN KAY KI PRET POU TONBE RIVE NAN KAN TANPORE

Tranblemantè 12 janvye a te pwovoke yon kriz imanitè nou pa te janm wè avan. Gwosè destriksyon ak kantite moun nan ki te bezwen deplase nan Pòtoprens, youn nan vil ki gen plis moun pou gwosè li sou latè, te kreye anpil pwoblèm pou operasyon sekou yo ak pou demach rekonstriksyon alontèm nan.7

Tranblemantè a te kraze 105,000 kay nèt, yon lòt 208,164 kay te pran anpil gwo chòk. Kay ki te mal bati nan zòn ki danjere epi ki pa te respekte okenn nan nòm konstriksyon yo te tonbe atè. Yo estime 600,000 moun te kite zòn kote tranblemantè a te pase pou ale lòt kote nan peyi a epi 1,550,000 moun te lage kò yo nan 1,555 kan ki te fèt konsa konsa.8 Daprè Evalyasyon Bezwen Apre Dezas gouvènman ayisyen an te fè ak asistans Dispozitif Mondyal Pou Rediksyon Dezas ak Rekonstriksyon, sektè lojman an te anrejistre pi gwo pèt yo, ki te koute anviwon 2.3 bilyon dola ameriken.9

Ajans èd imanitè ak gouvènman tout kote te reponn vit apre dezas la. Men, tou swit apre nou te rann kont asistans yon kote ki gen moun sou moun prezante anpil pwoblèm. Yo gen nan yo: difikilte pou kodòne plizyè santèn ajans sou teren an, mank lidèchip gouvènman an, obstak pou distribye asistans ak sèvis, ak difikilte pou netwaye dekonb plizyè milye kay kit e kraze. Plizyè semèn apre tranbleman tè a, plizyè kan ak kominote te fè konnen yo pa te resevwa okenn asistans.10

Kriz imanitè a te vin pi grav paske gen gwo mizè nan popilasyon deplase yo, deklenchman epidemi kolera an oktòb 2010 la ak omwen twa gwo tanpèt depi tranblemantè a11. Malgre tout pwomès ak kontribisyon gouvènman ak sitwayen lòt peyi te fè pou retablisman ak rekonstriksyon Ayiti, kondisyon moun yo ap viv nan kan tanporè yo te grav anpil epi yo te vin pi mal chak jou.

Nan yon rapò sou asistans imanitè, Sekretè Jeneral Nasyonzini Ban Ki-moon, te rekonèt "èd imanitè se sèlman yon pati nan repons esansyèl ki nesesè pou Ayiti a." Rapò a te souliye bezwen pou rekonstri sektè lojman an ak rebay planifikasyon iben vi epi bagay sa yo pral bezwen yon gwo envestisman pou lanse retablisman sosyo-ekonomik ak janbe gwo defi retablisman alontèm.12

SEKTÈ LOJMAN AN AVAN TRANBLEMANTÈ A

Kote tranblemantè a te frape pi fò se sektè lojman an, paske li te vin rann yon sitiyasyon ki te deja chaje pwoblèm nan kalite ak kantite kay pi grav. Avan tranblemantè a, defisi lojman nasyonal Ayiti te anviwon 700,000 kay.13 Pwoblèm nan te pi grav nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Paske te gen anpil pòvrete nan zòn riral yo, anpil moun te ale nan vil la pou jwenn yon lavi miyò. Sa te vin lakòz popilasyon an ogmante vit epi te gen ka ki rete yon ibanizasyon sovaj nan kapital la ak ozalantou li yo.14 Sa te vin bay plis pase 200 bidonvil;15 nan Pòtoprens poukont li epi anpil pòvrete ak chomaj, mank sèvis, ak manje bon lojman epi degradasyon

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

8

anviwònman an.16

Ibanizasyon rapid san kontwòl sa a te lakòz anpil bidonvil epi plizyè nan yo se koute li difisil pou moun jwenn aksè tankou gwo bòn oswa anba ravin. Nan bidonvil yo, mank aksè nan dlo, kouran, asenisman ak kote pou jete dechè te rann lavi moun yo pi difisil.17

Nou gen rapò ki montre majorite popilasyon nan kapital la ap viv nan bidonvil oswa vilaj enfòmèl ki pa kote moun ta dwe ap viv.18 Evalyasyon Bezwen Apre Dezas Ayiti a site yon etid ki te fèt an 1997 ki montre 67 pousan nan popilasyon iben nan ap viv nan vilaj yo fè konsa ki te kouvri sèlman 22 pousan tè moun ka viv. Lè sa a, popilasyon yo te estime pou Pòtoprens sete te yon ti kras plis pase 1.5 milyon moun.19 Pwogram lojman gouvènman an pa te bay moun yo ase lojman ki adekwa, sitou moun k ap viv nan mizè yo epi yo pa te ka bati enfrastrikti ak sèvis fondamantal pou vitès ibanizasyon an t ap fè la. Se sa ki fè, sèvis piblik yo te deteryore vit, pou tout moun sòf pou moun ki anpil lajan yo.20

Ministè Anviwònman an dekri ibanizasyon Pòtoprens la yon dezòd pou vitès li, paske fanmi yo pa gen resous pou bati kay ki adekwa, ap pa gen plan pou trase ak amenajman pou dirije vil sa ka p grandi a.21 Bidonvil an siman moute nan mòn ak ravin yo.22 Pi piti pase mwatye popilasyon an te gen aksè nan dlo ak asenisman.23

Mwatye nan bidonvil yo te nan mòn oswa anba ravin epi dlo te ka fè yo disparèt fasil nan peryòd gwo lapli ak siklòn. Bidonvil anndan vil yo ak bòl lanmè yo ka gen inondasyon tou.24 Sete nan zòn frajil sa yo, kote 80 pousan popilasyon iben nan rete, tranblemantè a te fè pi gwo dega epi sa vin bay plis tèt chaje nan kriz lojman ki te deja egziste a.

LOJMAN AK PÒVRETE AN AYITI

Se pòvrete ki fè moun pa ka gen yon bon kote pou rete epi nou te wè sa klè tankou dlo kokoye apre tranblemantè a. Menm si nou pa gen done resan, nou konnen te gen anpil pòvrete ak inegalite avan tranblemantè a. Nan echèl nasyonal la, 56 pousan fanmi t ap viv nan "pòvrete ekstrèm" (ak mwens pase 1 dola ameriken 25 santim pa jou), epi 77 pousan t ap viv ak pi piti pase 2 dola ameriken pa jou.25 An 2003, prèske yon fanmi sou kat (23 pousan) nan pòtoprens t ap viv ak mwens pase 1 dola ameriken pa jou, epi 45 pousan t ap viv ak pi piti pase 2 dola ameriken pa jou. Nan zòn iben yo, nan echèl nasyonal la, kay ak manje konte pou jiska 83 pousan depans fanmi k ap viv nan pòvrete.26 Dis pousan fanmi ki pi rich an Ayiti fè 68 pousan total revni tout kay met ansanm, pandan 10 pousan ki pi pòv la fè 0.7 pousan.27

Done pi resan nou gen sou "pòvrete ekstrèm" (daprè definisyon Bank Mondyal la ki te moun nan konsome yon mwayèn 1 dola ameriken 25 santi pa jou) sijere gen plis kay ki gen pòvrete ekstrèm kote se fanm ki sous prensipal lajan pou fanmi yo nan sèten zòn. Nan Pòtoprens, pòvrete ekstrèm pa afekte tout fanm menm jan. Se fanm ki sous prensipal lajan pou fanmi yo nan pifò kay (51 pousan). Yon gwo majorite (61 pousan) tout kay k ap viv nan pòvrete ekstrèm yo se fanm ki se sous prensipal lajan pou fanmi yo. 28

Youn nan pi gwo bagay ki lakòz diferans sa a se ke fanm gen plis chans pou yo ap travay nan sektè enfòmèl la. Se yon ti kras fanm ki se sous prensipal lajan pou fanmi yo k ap touche yon salè (16 pousan) epi majorite fanm yo ap travay nan sektè enfòmèl la.29 Menm jan an, chomaj pi wo kay fanm ki se sous prensipal lajan pou fanmi yo (40 pousan); konpare ak lè se gason ki se

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

9

sous prensipal lajan pou fanmi yo ki se 24 pousan.30

San asistans yon lòt moun, pa gen anpil ayisyen ki gen resous pou bati yon bon kay ki pap yon danje pou yo viv ladan. Paske pa gen mwayen pou bati yon bon kay, sa vin mete moun ki rete nan kan yo rete nan pòvrete. Menm si moun yo ap viv nan move kondisyon ou pa te ka imajine, pifò nan moun nou te pale ak yo pa gen okenn lòt chwa. Yo te oblije rete nan kan yo.

KONDISYON MOUN YO AP VIV NAN KAN YO

Apre tranblemantè a, moun ki te oblije deplase yo te bati pwòp abri yo kote yo te kapab jwenn plas pou mare detwa poto ak plastik sou yo. Anpil moun te rete nan kominote yo, toupre lakay yo. Yo te bati abri nan estad Pòtoprens la, nan batiman piblik (tankou kay premye minis la), nan plas piblik, sou teren ki pat gen moun, nan lakou lekòl, ak sou twotwa.

Tèlman gen moun nan kan sa yo kondisyon moun yo ap viv vin mal anpil. Abri pou moun yo rete yo pa respekte nòm minimòm pou repons imanitè a ditou paske li di chak moun dwe gen yon Espas 3.5m2 pou yo viv.31 Nan kèk kan, distans ant abri yo te yon pye. Sa te rann li difisil pou moun yo pase epi rezidan kan yo pa te gen vi prive.

Kondisyon moun yo ap viv nan kan yo te vin pi mal chak jou depi ane pase. Kondisyon moun yo ap viv te vin pi la - tankou pa gen sèvis fondamantal tankou dlo, asenisman, ak kote pou jete fatra - sa mete rezidan yo nan gwo danje pou yo pran enfeksyon tankou kolera. Daprè done Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (IOM) te pibliye an janvye 2013, moun ki deplase anndan peyi a nan 427 nan 450 kan yo 0 anviwon 311,196 moun - pa te gen aksè dlo, pandan 228 kan pa te gen aksè twalèt.32 Ajans imanitè yo te kite peyi a nan kòmansman 2011 epi te gen yon defisi nan finansman kite agrave pwoblèm nan ak kontribye nan pwoblèm ak dlo, asenisman ak sèvis ijèn. Biwo Kòdinasyon Afè Imanitè (OCHA) te fè yon rapò ki di an out 2011,sèlman 7 pousan moun k ap viv nan kan pou moun ki deplase yo te gen aksè dlo regilyèman; sate bese anpil kòmanse mas lè yo te estime aksè regilye te 48 pousan.

ki genyen".34

33 Menmsi yo te pran mezi nesesè pou ogmante aksè dlo nan kan deplasman yo, toujou gen kè sote pou kalite dlo pou moun bwè a. Pa egzanp, yon sondaj Dèlma te montre 78 pousan kote pou pran dlo yo pa te trete epi yo pa te bon pou bwè. Nan bilten imanitè jiyè ak out 2012 li a, OCHA rapòte "yo toujou kesyone kalite dlo

VYOLANS SOU FANM NAN KAN YO

Paske moun yo ap viv nan move kondisyon nan kan yo epi pa gen bon kote pou rete sa vin fè pwoblèm vyolans kont fanm nan pi grav. Amnisti Entènasyonal te souliye kijan gen risk pou vyole moun ak lòt kalite vyolans kont fanm k ap ogmante nan kan yo men gouvènman an pa te pran ase mezi pou pwoteje fanm yo nan kan yo.35 Plizyè òganizasyon te dokimante kijan risk pou vyòl ak lòt kalite vyolans kont fanm nan kan yo rete yon gwo pwoblèm.36 Fanm Amnisti Entènasyonal te bay Entèvyou yo te idantifye faktè sa yo kòm risk kap ogmante vyolans ki baze sou sèks nan kan yo:

abri ki pa gen sekirite epi ki pa bon pou viv;

pa gen ase twalèt/latrin ak kote pou lave nan etablisman anndan oswa tou pre kan yo;

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

10

twòp moun nan kan yo;

pa gen aksè a okenn mwayen pou travay oswa fè lajan;

pa gen limyè pandan lanwit;

pa gen sekirite ak siveyans lapolis anndan kan yo ak mank repons polisye yo bay fanm ak tifi ki di yo te vyole yo.

Pòvrete ak move kondisyon ak danje ki gen nan kan yo, mete ansanm ak travay ak mwayen pou viv ki manje, te mete fanm ak tifi yo nan sitiyasyon pou yo vann kò yo pou yo viv. Daprè fanm Amnisti Entènasyonal te pale ak yo ak sondaj lòt òganizasyon dwa moun te fè, gen anpil ka kote moun ap boukante sèks pou manje nan kan tanporè yo.37

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

11

3. KAD JIRIDIK ENTENASYONAL

DWA POU GEN BON LOJMAN

Dwa pou gen bon lojman pwoteje sou plizyè trete dwa moun entènasyonal ak rejyonal epi lè yo fòse mete moun deyò yo vyole lwa sa yo.38 Atik 25(1) nan Deklarasyon Inivèsèl Sou Dwa Moun nan rekonèt dwa pou gen bon lojman fè pati nòm yon bon kondisyon vi.39 Depi pwoklamasyon Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan an 1948, yo te reyafime ak rekonèt yo nan plizyè lwa dwa moun entènasyonal al rejyonal tankou yon pati dwa pou gen yon bon kondisyon pou viv.

Pak Entènasyonal Sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl la (ICESCR), gen sous legal entènasyonal ki pi enpòtan sou lojman ki adekwa. Atik 11(1) ICESCR a di: "Eta ki fè pati Pak sa a rekonèt dwa pou tout moun gen viv yon fason ki adekwa pou tè li ak fanmi li, tankou gen ase manje, rad, epi kontinye amelyore kondisyon l ap viv. Eta sa yo pral fè sa ki apwopriye pou rasire yo dwa sa a reyalize, epi yo rekonèt efè enpòtans esansyèl koperasyon entènasyonal la ase sou konsantman lib."

Pandan n ap ekri rapò sa a, Ayiti poko ratifye ICESCR a.40 Sepandan, yo rekonèt dwa pou gen yon bon kote pou rete nan plizyè lòt lwa dwa moun entènasyonal ki konsantre sou pwoteksyon dwa sèten gwoup epi Ayiti te ratifye.

Ayiti te ratifye Pak Sou Dwa Timoun nan (CRC) an 1995. Epi sa reyafime dwa pou moun gen bon jan lojman epi li gen yon gwo siyifikasyon nan kontèks yon dizèn milye timoun ki deplase. Atik 27 di: “1. Eta ki fè pati pak sa a rekonèt dwa pou chak timoun viv yon fason ki adekwa pou devlopman fizik, mantal, espirityèl, moral ak sosyal timoun nan [...] 3. Eta yo, daprè kondisyon nasyonal ak pwòp mwayen yo, dwe pran mezi ki apwopriye pou ede paran yo ak lòt moun ki responsab pou timoun nan pou ekzekite dwa sa a epi dwe bay materyèl asistans ak pwogram soutyen, sitou parapò ak nitrisyon, rad ak lojman lè yo bezwen.

An plis, Atik 16 pwoteje dwa pou timoun nan gen vi prive, ki gen pou wè ak dwa pou gen yon bon lojman. “1. Okenn moun pa gen dwa deranje konsa oswa yon fason ilegal vi prive, fanmi ak korespondans okenn timoun, ni atake onè ak repitasyon li yon fason ki ilegal. 2. Timoun nan gen dwa pwoteksyon pou yo pa deranje oswa atake li konsa."

Ayiti, yon eta ki fè pati CRC gen yon obligasyon pou pwoteje timoun nan ka y ap fòse mete yo deyò. Dwa timoun pou gen yon bon kote pou viv, ki fè pati dwa pou gen yon bon kondisyon vi, pa ka pwoteje ak reyalize lè tout fanmi ou sou mens oswa yo te mete yo deyò kote yo rete. Se ka ki fè, nou ka di menm si Ayiti poko ratifye ICESCR a, li gen yon obligasyon pou pwoteje ak reyalize dwa pou tout timoun ak tout moun nan fanmi yo gen yon bo kote pou viv.

Ayiti te ratifye Pak Entènasyonal Sou Dwa Sivil ak Politik la (ICCPR) la an 1991 epi li gen lwa enpòtan sou dwa pou lojman. An patikilye, dwa pou yo pa deranje vi prive, fanmi, kay oswa korespondan moun nan, gen dimansyon ki enpòtan anpil nan pwoteksyon dwa pou gen bon lojman nan kontèks zafè mete moun deyò a.41

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

12

Epi tou Pak Sou Eliminasyon Tout Kalite Diskriminasyon Kont Fanm (CEDAW) la gen lwa sou dwa pou gen lojman, men ak limit paske yo sèlman pwoteje dwa fanm nan zòn riral pou gen yon bon kote pou viv. Atik 14.2(h) afime: "Eta yo dwe pran mezi ki nesesè pou elimine diskriminasyon kont fanm nan katye riral yo pou aires [...] fanm sa yo gen dwa... (h) pou jwi yon bon kondisyon vi, sitou nan zafè kay, asenisman, elektrisite, dlo, transpò ak kominikasyon."

Òganizasyon k ap siveye dwa moun entènasyonal te di nan sèten sikonstans, mete yon moun deyò kapab gen ka yo maspinen moun, fè l sibi move tretman, trete l kou bèt oswa fè l pèdi lonèl.42

Obligasyon pou pwoteje moun ki deplase anndan peyi yo

Ayiti gen obligasyon byen espesifik pou respekte dwa moun pou pwoteje moun ki deplase epi pwoteje dwa yo. Obligasyon sa yo detaye plis nan Gid Prensip Nasyonzini Sou Deplasman Entèn,43 ki mande eta yo pou yo rasire libète ak sekirite pèsonèl moun ki deplase yo, bay yo asistans imanitè ki nesesè garanti yo jwenn menm tretman pwoteksyon ak moun ki pa deplase yo. Eta a dwe ankouraje moun yo retounen nan kominote yo soti a sèlman lè yo vle retounen epi sa kapab fèt ak sekirite ak diyite. Otorite nasyonal yo gen premye responsablite pou bay asistans imanitè, ki gen travay ak koperasyon entènasyonal ak asistans ladan. Moun ki deplase anndan peyi a gen dwa pou ale kote yo vle ak libète pou chwazi kote pou yo rete, tankou dwa pou al chèche sekirite nan lòt zòn nan peyi a.44

Yo entèdi moun fè diskriminasyon ki baze sou deplasman entèn.45 An plis, distenksyon ki baze sou kote moun nan rete ak kote li rete avan - pa egzanp, "kit moun nan te rete oswa anrejistre nan yon zòn iben oswa riral, nan yon vilaj fòmèl ou enfòmèl, pèdi kay oswa se yon moun ki pa rete yon kote fiks”46—ba rezon laba pou trete moun nan diferan lè pa gen yon bon rezon pou fè sa.47

Prensip Gid la souliye sou obligasyon otorite ki konpetan, pou nan yon minimòm, bay moun ki deplase yo epi asire gen aksè san danje nan: (a) Manje ak dlo pòtab esansyèl; (b) Abri ak lojman fondamantal; (c) Rad ki apwopriye; ak (d) Sèvis medikal ak asenisman esansyèl.48

Eta yo gen responsablite "pou etabli kondisyon, ak kreye mwayen, ki pèmèt moun ki deplase yo retounen ak volonte yo, ak sekirite ak diyite, lakay yo oswa kote yo abite rete, oswa pou al rete yon lòt pati nan peyi a."49 Eta a pa dwe ankouraje moun retounen nan kominote yo te rete lè yo pa gen volonte oswa kote yo rete ak pa gen sekirite ak diyite. Epitou Prensip Gid la di "yo dwe fè yon gwo efò ou asire moun ki deplase yo patisipe nèt nan planifikasyon ak jesyon lè yo ge pou retounen oswa relokalize ak re-entegre.50

ENTÈDIKSYON POU METE MOUN DEYÒ AK FÒS

Ayiti gen obligasyon sou plizyè trete dwa moun, tankou ICCPR, CRC ak Pak Ameriken Sou Dwa Moun pou li sispann oswa evite yo mete moun deyò ak fòs.51 Gid ki pi detaye sou obligasyon eta a pou li sispann, anpeche ak pwoteje moun pou yo pa mete yo deyò ak fòs nan Komite Nasyonzini Sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl. Lòt òganizasyon k ap siveye zafè dwa moun te

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

13

depann sou gid Komite Sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl la te devlope a pou egzamine ka yo mete moun deyò ak f1s yo nan kontèks trete yo siveye yo. Komite sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl la defini lè yo mete yon moun deyò ak fòs se lè yo "retire moun, fanmi ak/oswa kominote lakay yo ak/oswa sou tè yo rete kont volonte yo, san yo pa bay yo oswa bay yo aksè pou jwenn pwoteksyon legal oswa lòt kalite pwoteksyon".52

Komite sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl la te souliye yo dwe mete moun deyò konsa sèlman lè se sèl solisyon ki rete, epi yo te eseye tout lòt chwa ki genyen.53 Li te klarifye yo ka mete yon moun deyò sèlman lè pwoteksyon apwopriye yo an plas. Yo genyen ladan yo:

yon opòtinite pou konsilte moun ki afekte yo an tout franchiz;

bay moun ki afekte yo ase avètisman rezonab avan yo mete yo deyò;

enfòmasyon sou pwopozisyon pou moun nan kite kote a ak, lè li apwopriye, pou ki lòt rezon pou itilize teren oswa kay la, dwe disponib yon tan rezonab pou tout moun ki afekte yo;

ofisyèl leta oswa reprezantan yo dwe la pandan y ap fè moun nan kite a;

tout moun k ap patisipe nan aktivite pou mete moun nan deyò dwe gen bon idantifikasyon;

yo pa dwe fè moun yo kite pandan gen move tan oswa pandan lanwit amwenske moun ki afekte yo dakò pou yo ale;

bay yo solisyon legal;

bay yo, lè li posib, asistans legal pou moun ki bezwen li pou yo ale nan tribinal.54

Epi tou komite a te souliye kijan lè yo konsidere li legal pou mete yon moun deyò, "li dwe respekte tout lwa sou dwa moun entènasyonal epi li dwe respekte prensip jeneral ki di li dwe fè yon fason rezonab ak egal".55 Lè yo mete yon moun deyò sa pa dwe "vin fè moun nan pa gen kote pou rete oswa vin pi frajil pou yo vyole lòt dwa li".56

Epi tou Komite Dwa Moun nan te di lè yo mete moun deyò ak fòs sa kont atik 17 nan Pak Entènasyonal Sou Dwa Sivil ak Politik la, ki bay dwa pou gen pwoteksyon sou lwa ki kont yon deranje san yon rezon vi prive, fanmi ou kay moun yon fason ilegal.57 Nan ka Liliana Naidenova et al. kont Bilgari, Kote Dwa Moun nan te twouve "Eta a t ap vyole dwa otè yo sou atik 17 Pak la si yo te mete moun yo deyò daprè lòd 24 jiyè 200 la, depi yo pa te ap jwenn yon kote pou rete touswit .”58. Epi Komite Dwa Moun nan te di "Konfòmeman ak atik 2, paragraf 3(a), nan Pak la, Eta a gen obligasyon pou bay otè yo yon bon solisyon, tankou pa mete yo deyò kominote Dobri Jeliazkob la, depi yo pap ka jwenn yon kote pou yo rete touswit. An plis eta a gen yon obligasyon pou asire li kalite vyolasyon sa yo pa fè ankò.59 Entèdiksyon pou mete moun deyò ak fòs pa gen pou wè ak lè yo mete moun deyò konfòmeman ak lalwa epi konfòmeman ak lwa dwa moun entènasyonal. Sa vle di, si gouvènman ayisyen an etabli yon pwosesis tankou yon vrè konsiltasyon pou wè ki lòt solisyon ki genyen; bay moun yo ase avètisman, solisyon, lòt kote pou yo rete ak konpansasyon; epi yo respekte tout egzijans pwosediral yo, lè yo mete moun yo deyò, lè li nesesè, si yo itilize fò yon fason egal ak rezonab li pat ap konsidere fòs.

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

14

Rapòte espasyal Nasyonzini sou ase lojman an te devlope Prensip ak Gid Fondamantal yo pou moun y ap mete deyò ak moun ki deplase. Sa reflete nòm ki egziste deja nan zafè mete moun deyò.60 Yo genyen gid byen detaye sou sa moun dwe fè avan, pandan ak apre yo mete yon moun deyò pou respekte prensip sou dwa moun entènasyonal ki ge pou wè ak sa.

an danje.

Men kounye a, lwa ayisyen pa:

entèdi yo mete moun deyò ak fòs;

e moun deyò, sitou nan sitiyasyon moun y ap viv sou pwopriyete leta oswa teren ki pa pou yo;

fè yon vrè konsiltasyon ak moun yo avan yo mete yo deyò;

bay moun yo ase avètisman rezonab lè se sou teren leta yo ye;

yo gen idantifikasyon pandan y ap mete moun yo deyò, menm an pratik sa pa janm rive;

entèdi mete moun deyò lè tan an pa bon oswa pandan lanwit.

jistis la rann li enposib pou gen okenn pwogrè nan mete lwa dwa moun entènasyonal sou pye.

Dapre konstitisyon Ayiti, trete dwa moun entènasyonal, lè li ratifye pa gouvènman, li vin fè pati lwa ayisyen epi li gen plis valè pase lwa nasyonal.61 Men an pratik, nòm entènasyonal ki kontwole dwa pou lojman pa vrèman reflete lwa ak pratik an Ayiti. Jij yo pa janm aplike lwa an Ayiti ki gen angajman entènasyonal lè dwa sivil, politik, ekonomik, sosyal oswa kiltirèl moun

etabli ase pwoteksyon moun ta dwe swiv lè y ap met

mande moun k ap mete moun yo deyò ak ofisyèl gouvènman yo pou

Anpil ayisyen pa gen aksè nan sistèm jistis la epi li vrèman difisil pou jwenn yon solisyon pou zafè mete moun deyò ak fòs la. Moun ki ap viv nan mize pa gen mwayen pou ale nan tribinal ak peye avoka epi gouvènman an pa gen yon sistèm ki ofri asistans legal. An plis, feblès sistèm

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

15

4. METE MOUN DEYÒ AK FOS

"Mete moun deyò ak fòs se yon gwo vyolasyon dwa moun, sitou dwa pou moun gen yon bon kote pou rete." Rezolisyon Komisyon Nasyonzini Sou Dwa Moun 1993/77, para. 1.

Mete moun deyò ak fòs - lè yo mete yon moun deyò san okenn pwoteksyon legal tankou yon vrè konsiltasyon ak kominote ki afekte yo, bay yo ase avètisman ak solisyon legal, konpansasyon ak yon lòt kote pou rete pou sa yo ki pa ka jwenn yon kote yo menm - kontinye fè deja nan vi plizyè milye fanmi ki te pèdi kay yo epi oblije ap viv nan kan tanporè an Ayiti. Leta a tolere yo epi yo pa pini ajan leta ak moun oswa lòt gwoup (ki pa leta) tou. Daprè sa Amnisti Entènasyonal konnen, yo poko bay okenn moun responsab

ESTAD SYLVIO CATOR: KOTE YO METE MOUN DEYÒ AK FÒS SAN RETE Nan kòmansman mwa jiyè 2011, Konsèy Minisipal la t anonse vandredi 15 jiyè li pral mete 500 fanmi kap viv nan kan tanporè nan pakin Sylvio Cator nan santral Pòtoprens la deyò. Fanmi sa yo te pami 7,000 moun ki te pèdi kay yo ki t al chèche abri anndan Estad Sylvio Cator a tou swit apre tranblemantè a epi yo te mete tant yo ladan.

Otorite yo te deja fè plizyè nan fanmi sa yo kite li an mas 2010 san yo pa te gen yon lòd tribinal ak okenn enfòmasyon ou lòt mwayen pou viktim tranblemantè sa yo. Polis yo te antre nan estad la pandan lanwit epi rale tant yo epi fòse moun yo kite estad la.

Anviwon 514 fanmi te bati tant yo nan pakin nan, bò estad fasya. Jou kit e madi 12 jiyè 2012, anyen majistra Pòtoprens la te ale nan Estad Sylvio Cator pou di yo 514 fanmi ki te rete la oblije kite avan vandredi 15 jiyè; yo pa te prezante okenn avètisman ekri oswa lòd jidisyè daprè lwa ayisyen.62 Se te premye avètisman fanmi yo te resevwa sou bagay sa a.

Fanmi Amnisti Entènasyonal te pale yo di yo y ap mete yo deyò ak fòs si yo pa vle soti. Rezon yo te mete deyò a se pase yo tapral gen yon match nan estad la epi yo te bezwen fè reparasyon.

Sou presyon rezidan kan yo, òganizasyon dwa moun ayisyen ak entènasyonal yo, otorite minisipal yo te kouri al chèche yon kote pou mete moun yo. Yo te jwenn yon kote ki te mwens pase 2 kilomèt, nan yon lakou yon

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

16

estasyon radyo ki te fin kraze. Sèlman 40 fanmi te ka bati tant tanporè nan ti pwopriyete sa dlo te konn desann fasil. Yo pa te bay moun yo okenn lòt asistans oswa rebati abri oswa lòt bagay pou yo.

Lè Amnisti Entènasyonal te al vizite kote sa a an septanm 2011, li te fasil pou wè kote sa a te twò pitit pou fanmi yo ki te rete la. Abri yo te bati kote yon batiman ki te kraze, te gen sis twalèt plastik yo te enstale nan rezèvasyon santral boulva Harry Truman nan antre kan an; twa nan yo te tèt anba epi rès yo te bouche daprè rezidan kan yo.

Estad Sylvio Cator te pati sis kan moun ki deplase "pi vizib" Prezidan asiyen Michel Martely te mande pou fèmen epi mete moun yo nan lòt kan sou pwogram 16/6 la.63

Jan nou te souliye avan an, daprè IOM, ant jiyè 2010 ak mas 2013, yo te mete 16,104 fanmi deyò ak fòs nan 175 diferan kan.64 Youn nan senk ayisyen k ap viv nan kan pou moun ki deplase yo sou presyon menas pou yo mete li deyò ak fòs.65

Dèyè gwo chif sa yo se istwa nou pa janm tande sou fanm, gason ak timoun ki te t ap gade pwopriyetè, ofisyèl lokal, ajan minisipal oswa lapolis dechire kay yo ak vi yo. Anpil fwa lè yo menase y ap mete moun yo deyò gen kraponnay ak vyolans. Moun yo mete deyò ak fòs yo se pouse yo pouse yo deyò kote yo te rete depi avan tranblemantè san konsiltasyon oswa yon lòt kote pou yo rete. Epi tou yo pa ka jwenn yon bon solisyon. Yo vin san yon kote pou dòmi ankò epi souvan yo jwenn li difisil pou yon jwenn yon lòt kote pou yo rebati vi yo, kay yo, ak lyen vwazinay yo te genyen. Nan anpil ka, tant tanporè yo a ak tout ti sa yo te genyen detwi.

Kòz ki genyen lè yo mete moun deyò ak fòs varye. Otorite ayisyen yo mete moun deyò pou repare estab foutbòl la, pou netwaye espas piblik kote otorite yo kwè gen aktivite kriminèl, ak pou kite moun ki swadizan pwopriyetè yo repran pwopriyete yo.

Pwosedi Kòd Sivil Ayiti a etabli sa pwopriyete dwe fè pou repran pwopriyete prive yo. Epi tou li defini pouvwa plizyè ofisyèl jidisyè Sa vle di, lwa a pèmèt pwopriyetè teren yo chèche mwayen legal pou fè moun ki sou pwopriyete yo a kite li.66 Jijdepè, ki se pi ba nivo nan sistèm jistis ayisyen an, jwe yon wòl nan diskisyon ou pwopriyete. Pami anpil bagay, yo responsab pou anrejistre lè moun vyole dwa pwopriyete ak pale lòd pou fè moun kite kay. Men, nan kontèks moun ki deplase ki nan pwopriyete prive yo, Jijdepè a ka sèlman pase lòt pou mete moun nan deyò pandan li la pou premye ane a. Apre sa, pwopriyetè teren an oblije ale nan yon tribinal pou montre se pou li teren an ye vre. Kòd Sivil Pwosedi a egzije moun ki di li se mèt teren an ale nan tribinal pou montre tit pwopriyete a (yon aksyon petitwa). Se yon pwoblèm pou inisye kalite aksyon legal sa yo si moun nan pa mèt pwopriyete a vre oubyen li pa gen papye pou montre nan tribinal se li ki mèt pwopriyete ya, epi se toujou konsa bagay yo ye; avan tranblemantè a, ye yon ti kras moun ki te gen tit teren yo.67

Pwosesis legal la ka pran nenpòt dezan, oubyen plis tan toujou si rezidan kan yo gen avoka ki ka pwolonje pwosesis la epi konteste nenpòt desizyon jij la pran pou yo kite.

Se sa k fè moun ki di yo se pwopriyetè yo evite al nan tribinal pou fè mete moun yo deyò. Poutèt sa yo itilize menas, kraponnay, ak vyolans tan pou yo pase nan lajistis pou fè moun yo kite pwopriyete yo a. Kèk fwa yo konn ofri moun yo lajan pou kite pwopriyete yo rete a, men lajan yo ofri yo a pa konn ase pou yo jwenn yon lòt kote pou rete.

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

17

Rezidan Kan Mòmon, ki nan Dèlma yo, t ap resevwa anpil menas y ap mete yo deyò ak fòs pandan plis pase yon ane. Rezidan yo di nèg ak zam te atake yo nan kan an plizyè fwa pandan lanwit epi yo te joure prezidan komite kan an tou. Nan yon okasyon, moun yo te tire nan kan an epi yo te voye wòch ak boutèy. Yon rezidan te blese pandan li tap chache pou l pa pran kout bal. Yo te al devan lapolis pou pale sou ensidan an epi yo te di yo pa te reponsab atak la ni responsab pou pwoteje moun ki rete nan kan yo. Yo te kontinye atake moun nan kan yo.

Nan Kafou, yo di gad kò yon pwopriyetè te peye pou sa te vin mete prezidan komite Kan Gras Vilaj la deyò ak fòs epi li pa ka tounen nan kan an. Li te jwe yon wòl enpòtan ki t pa mobilize kominote a pou evite yo mete yo deyò nan pwopriyete a.

YO PA VRÈMAN KONSILTE MOUN YO EPI YO PA BAY YO ASE AVÈTISMAN

Yo pa te ni konsilte ni enfòme okenn nan fanmi Amnisti Entènasyonal te pale ak yo a avan yo te mete yo deyò a. Epi tou, otorite yo pa te bay yon grenn ase avètisman avan lapolis ak ekip demolisyon nan minisipalite a te rive sou yo. Nenpòt avètisman yo te bay yo, ki te nòmalman 15 jou, site pa bouch oswa yon penti yo te mete sou tant la ki di yo pral kraze li jan yo te fè nan Kan Mòmon ak Kan Mozayik nan minisipalite Dèlma a.

Pi souvan lè yo pale sou lan pou mete moun ki deplase yo se plis yon menas tan pou se yon kòmansman pou idantifye ak diskite lòt chwa posib. Sa fin fè moun yo pa jwenn yon okasyon pou poze kesyon sou sa ki pral fèt apre ak lòt detay sou pouki y ap mete li deyò a, kisa yo pral fè ak teren an, konpansasyon, asistans ak lòt solisyon ki ka dwe disponib pou yo.

Yo pa janm bay rezidan yo yon dat fiks sou jou yo pral mete yo deyò a. Nòmalman, yo anonse yo pou yo kite sit la avan yon kantite jou ki gendwa detwa jou jiska de semèn. Sepandan, yo pa janm vin mete moun yo dèyè lè yo di yo nan menas la ki vle di kè rezidan yo toujou sote paske yo konnen yo ka vin mennen yo deyò a nenpòt moman apre yo vin resevwa menas la.

KAN MOZAYIK: OTORITE VIL LA METE MOUN YO DEYÒ AK FÒS Jou ki te 4 me 2012 la, otorite lokal vil Dèlma te mete 126 fanmi ki deyò Kan Mozayik nan Dèlma. Otorite sa yo te akonpànye ak manm Brigad Kontwòl Lari Dèlma yo (BRICOR) ak ajan Polis Nasyonal Ayiti epi yo te gen zam nan men yo.

Yo te pran teren kote moun yo te bati kan tanporè apre tranblemantè a pou fè yon devlopman komèsyal. Moun yo di swadizan pwopriyetè yo pa te ale nan tribinal pou pran okenn lòd jiridik pou mete mou yo deyò daprè lwa. Sa yo te fè se mete otorite lokal ak lòt moun nan bagay la pou yo ka repran pwopriyete a.

Nan kòmansman mwa septanm, reprezantan otorite minisipal lokal yo te vizite Kan Mozayik epi yo te mete "pou kraze" sou kèk nan tant yo. Avan sa, yo te menase moun ki rete nan kan yo pa bouch pou di y ap mete yo deyò. Pita nan menm wa a, rezidan kan yo te òganize yon demonstrasyon kont menas pou kraze ak mete moun yo deyò. A travè medya lokal la te kouvri evenman, yo te mande otorite yo pou kòmanse yo dyalòg ak konsiltasyon ak yo epi bay yo yon lòt altènatif pou jwenn yon kote pou rete.

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

18

Anviwon 4è nan laprèmidi nan jou ki te 4 me 2012, avan yo te avèti yo avan epi san yon lòd pou mete moun yo deyò yon ekip demolisyon ki soti Dèlma te akonpànye ak ajan BRICOR ki te gen zam nan men yo te kòmanse detwi tant yo ak mato ak manchèt. Videyo yo te by Amnisti Entènasyonal te montre ansyen majistra Dèlma a k ap sipèvize moun k ap kraze kan tanporè yo ak mete rezidan yo deyò. Yo te gentan kraze tant yo avan moun ki afekte yo te ka pran bagay yo epi kounye a yo te rete ak men yo vid. Ansyen rezidan Kan Mozayik yo te di Amnisti Entènasyonal manm gang ki te akonpànye ekip demolisyon an te pran sa yo ekip la pa te gentan kraze epi menm ekip gang sa yo te konn ap menase rezidan kan yo.

Fanmi yo pa te resevwa okenn konpansasyon oswa yon lòt kote pou rete. Tout 126 fanmi yo te nan lari.

Anviwon mwatye nan fanmi yo te mete deyò Kan mozayik ak fòs yo te rebati tant detwa kilomèt nan zòn nò Pòtoprens nan yon vilaj enfòmèl ki rele Kanaran. Pandan nou te ekri dokiman sa a, vilaj enfòmèl sa a, pa te gen okenn sèvis fondamantal tankou dlo pòtab oswa asenisman, te gen plis pase 10,000 fanmi ki rete la epi li te kontinye ap gen plis moun chak fwa yo mete moun yo deyò.68

Se pa sèlman nan Kan Mozayik bagay sa yo rive. Nan yon ka pi bonè yo t ap mete moun deyò ak fòs jou ki te 23 me 2011 nan Kafou ayewopò Dèlma, ajan minisipal BRICOR yo ak ansyen majistra Dèlma a te rive nan kan an epi yo te kòmanse kraze tant yo san yo pa te menm anonse moun yo. An reyalite, yo pa te janm pale ak youn nan konbyen dizèn fanmi yo pou eseye idantifye lòt mwayen pou yo te ka pa mete yo deyò epi yo pa te menm bay yo enfòmasyon pou di yo pou yo kite plas la.69 Men sa yon ansyen ofisyèl minisipal te di devan laprès yon jou pou eseye jistifye poukisa yo te mete moun yo deyò ak fò: "Sa se yon plas piblik, se yon espas rekreyasyon. Tout moun bezwen li. Li pa ka rete domèn prive yon gwoup moun sèlman. Nan moman an sèl sa ki enpòtan pou mwen se pou plas la rete vid… Plaza sa yo se yon refij pou kriminèl ak yon kote ki chaje ak pwostitisyon.”70

An reyalite, Dèlma se minisipalite ki plis moun ki deplase nan peyi a epi se li ki gen plis yo swa menase oswa mete deyò ak fòs dapre Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon ak patnè li yo nan Gwoup Abri a. Depi jiyè 2010 jiska fen out 2012, yo te mete 4,315 fanmi deyò nan 52 diferan kan nan Dèlma, epi 46 nan yo fe fèmen apre yo te fin mete moun yo deyò. An plis, yo te menase 16,320 fanmi nan 125 lòt sit y ap mete yo deyò nan menm lokalite a.71 Yo te dokimante menm kalite sitiyasyon yo nan tout lòt minisipalite yo nan rejyon metwopolitèn nan: Taba, Petyonvil, Kafou, Kwadèboukè ak Site Solèy.

PRESYON, KRAPONNAY AK VYOLANS

Souvan lè y ap mete yon moun deyò yo kraze kay tanporè a nèt. Nan pifò ka ann Ayiti, yo fè sa alamen ak kouto ak razwa pou koupe ak chire pwela yo; yo desann poto yo. Apresa, yon traktè pase sou tout dekonb yo. Nou wè lè yo kraze tant moun yo, non sèlman li rete moun ki deplase yo nan yon sit, li detwi ti sa yo te genyen ak materyèl yo te ka itilize pou rebati yon tant yon lòt kote.

JOU YO TE METE MOUN DEYÒ AK FÒS NAN PLAS JEREMI Jou ki te 21 desanm 2011 la, rezidan kan an te leve nan mitan lanwit ak bri yon gwoup anviwon 10 nèg ak kouto, baton ak manchèt nan men yo, epi yo te akonpanye ak yon gwoup polisye ki te rive nan twa machin lapolis. Mesye yo te eseye bay rezidan yon anvlòp ak lajan ladan epi yo te kòmanse kraze tant yo. Fanmi yo te pran anpil bourad pou kite kay yo epi yo pa te menm gen tan pou pran afè yo. Kèk rezidan kan an, ak timoun

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

Endèks: AMR 36/001/2013 Amnesty International Janvye 2013

©AmnestyInternational

Anlè: Demonstrasyon rezidan kan yo menase y ap

mete deyò. Kan Gras Vilaj, komin Kafou, Pòtoprens,

me 2012. Lè moun fè demonstrasyon ak branch bwa

nan men yo se yon tradisyon epi se yon fason pou

mande chanjman.

Anpil nan moun ki te vin san kay apre tranblemantè anAyiti janvye 2010 la toujou ap viv anba tant nan movekondisyon. Li difisil pou yo jwenn dlo pwòp, asenisman,swen sante, lekòl ak lòt sèvis fondamantal. Ensekirite,gwo chomaj ak menas pou mete fanmi yo deyò pouseyo pi ba nan echèl pòvrete a. Malgre tout sa, kapasitemoun sa yo pou fè fas ak difikilte ak detèminasyonyo pou viv ak diyite montre nou kokennchenn posibliteki gen lakay pèp ayisyen an pou rekonstriksyon -yon posiblite ki pako ka yon reyalite paske yo parespekte dwa yo tankou moun.

HC_3908_Haiti_Insert:A4 report layout 28/11/2012 13:15 Page i

‘PA GEN KOTE POU ALE’MOUN YO FÒSE DEYÒ NAN KAN YO

Amnesty International May 2011 Index: AFR 31/002/2011

Agoch: Douch nan Kan Gras Vilaj, komin Kafou,

Pòtoprens.

Anba: Kan Gras Vilaj, komin Kafou, Pòtoprens,

gen plizyè santèn fanmi ki te al rete la apre

tranblemantè 2010 la.

Pa gen sèvis fondamantal tankou dlo pòtab,

asenisman, ak kote pou jete fatra - sa mete

rezidan yo nan gwo danje pou yo pran enfeksyon

tankou kolera.

©AmnestyInternational

©AmnestyInternational

HC_3908_Haiti_Insert:A4 report layout 28/11/2012 13:15 Page ii

‘THEY LOOKED AT HIS IDENTITY CARD AND SHOT HIM DEAD’SIX MONTHS OF POST-ELECTORAL VIOLENCE IN CÔTE D'IVOIRE

Anlè: Kan pou moun Pòtoprens ki te pèdi kay yo.

Tèlman gen moun nan kan yo kondisyon yo vin

mal anpil. Nan kèk kan, kay yo kòtakòt.

Adwat: Kan Gras Vilaj, komin Kafou, Pòtoprens.

Yo pentire « Ademoli » (« pou kraze) nan tant sa a ».

Yo pa bay rezidan yo ase tan davans avan yo fòse

yo deyò. Avètisman yo se sèlman pa bouch oswa lè

yo pentire sou kay ki pou kraze yo.

©AmnestyInternational

©AmnestyInternational

Endèks: AMR 36/001/2013 Amnesty International Janvye 2013

HC_3908_Haiti_Insert:A4 report layout 28/11/2012 13:15 Page iii

Agoch: Y ap mete moun yo deyò nan Kan Mozayik,

komin Dèlma, Pòtoprens, me 2012.

Anba: Moun yo ap gade kay yo ki fin kraze apre

yo mete yo deyò nan Kan Mozayik, komin Dèlma,

Pòtoprens, me 2012.

©AmnestyInternational

©Prive

©Prive

‘PA GEN KOTE POU ALE’MOUN YO FÒSE DEYÒ NAN KAN YO

HC_3908_Haiti_Insert:A4 report layout 28/11/2012 13:15 Page iv

Endèks: AMR 36/001/2013 Amnesty International Janvye 2013

‘PA GEN KOTE POU ALE’MOUN YO FÒSE DEYÒ NAN KAN YO

Anlè: Apre yo fin mete moun yo deyò nan

Kan Mozayik, komin Dèlma, Pòtoprens,

me 2012.

Adwat: Rezidan yo ap fè demonstrasyon

paske y ap fòse yon kite Kan Mozayik,

komin Dèlma Pòtoprens, septanm 2011.

Plaka sa a site Atik 22 nan Konstitisyon

ayisyen an, di etabli dwa pou moun gen yon

lojman ki apwopriye: Plaka a di: "Leta Cheri,

Rat ap manje pye timoun yo. Lapli ap mouye yo.

Solèy ap boule yo. Kay, Atik 22"

©Prive

©AmnestyInternational

HC_3908_Haiti_Insert:A4 report layout 28/11/2012 13:16 Page 1

Amnesty International Janvye 2013 Endèks: AMR 36/001/2013

‘PA GEN KOTE POU ALE’MOUN YO FÒSE DEYÒ NAN KAN YO

Anlè: Yon ti vilaj ki pa fòmèl anpil moun rele

Kanaran (ki gen Onavil ak Jerizalèm ladan tou)

nan nò Pòtoprens, kote anpil moun al mete kò

yo apre yo te mete yo deyò.

Pandan nou te ekri dokiman sa a, kan sa a,

pa te gen okenn sèvis fondamantal tankou dlo

pòtab oswa asenisman, te gen plis pase 10,000

fanmi ki rete la epi li te kontinye ap grandi chak

fwa yo mete moun yo deyò nan lòt kan.

©AmnestyInternational

HC_3908_Haiti_Insert:A4 report layout 28/11/2012 13:16 Page 2

Endèks: AMR 36/001/2013 Amnesty International Janvye 2013

‘PA GEN KOTE POU ALE’MOUN YO FÒSE DEYÒ NAN KAN YO

Anlè: Deyò Kan Gras Vilaj, komin Kafou, Pòtoprens

kote anpil fanmi yo te mete deyò nan lòt kan mete

kay yo la.©AmnestyInternational

HC_3908_Haiti_Insert:A4 report layout 28/11/2012 13:16 Page 3

Kan Palais de l'Art, komin Dèlma, Pòtoprens.

Yon sondaj Biwo Nasyonzini Pou Kòdinasyon Zafè

Imanitè (OCHA) te pibliye an jiyè 2012 te montre

nan komin Dèlma a, 78 pousan dlo yo pa trete

epi yo pa bon. Nan bilten imanitè jiyè ak out

2012 li a, OCHA rapòte "yo toujou kesyone kalite

dlo ki genyen".

©AmnestyInternational

HC_3908_Haiti_Insert:A4 report layout 28/11/2012 13:16 Page 4

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

19

ladan, t ap dòmi toujou lè tant yo te tonbe sou yo. Nan kat èdtan, tout fanmi yo te nan lari ak anyen nan men yo.

Anviwon 130 fanmi (464 moun) te pati kay tanporè yo nan kan tanporè Plas Jeremi, yon ti plas ki nan katye Kafoufèy. Avan tranblemantè a, pan plas sa a jèn yo nan zòn nan ak Sant Espòtif Plas Jeremi te konn òganize match baskètbòl ak foutbòl.

Depi out 2011, moun ki rete tou pre kan an te konn ap menase, bat ak kraponnen moun yo ki rete nan kan an. Yo te konn menm distribye feyè ki menase y ap bat bay rezidan yo, mete dife nan tant yo epi mete yo deyò Feyè yo te gen menas sa yo:

"Moun yo ki rete nan Plas Jeremi a dwe kite la avan 30 jen 2011...nou pap bay okenn lòt avètisman ak dat ; w ap pran kout wòch, kout boutèy epi n ap boule tant yo.72

Selon sa ansyen rezidan Plas Jeremi yo te di Amnisti Entènasyonal, yo te ofri yo lajan pou kite plas la tou. Men yo pa te di yo poukisa yo te ap mete yo deyò epi yo pa te ofri yo okenn lòt akomodasyon. An reyalite, yo pa te bay yo okenn enfòmasyon, tankou dat yo tapral fè yo kite kan an, kijan yo tapral fè li, ki kote yo te ka ale apre sa ak ki kalite dwa ak asistans yo te genyen. An me 2012, nan selebrasyon premye ane li sou pouvwa a, Prezidan Martely te di youn nan plizyè reyalizasyon li yo se te relokasyon Plas Jeremi.73

Pa te menm gen yon lòd tribinal ak okenn pwoteksyon pou moun ki afekte yo. Menm si lalwa mande pou otorite jidisyè la pandan y ap fè yon moun kite kay la, pa te gen okenn jijdepè la sware sa a. Yo te kontinye menase y ap mete dife nan tant fanmi yo ki te rete nan zòn Plas Jeremi yo.

Yo te mete Marie* ak pitit li yo deyò ak anpil fòs ak vyolans ansanm ak plizyè dizèn lòt fanmi nan Plas Jeremi jou ki te 21 desanm 2011.

“Komite sa a ki te nome tèt t ap ban nou anpil presyon pou kite kan an.. Yo di yo te bezwen kan an pou yon chanpyona [foutbòl]. Men nou pa te gen okenn kote pou ou ale nou rete la. Yo te konn pase feyè detanzantan ak menas. Lèswa yo te konn voye wòch ak boutèy nan tant nou yo...Si nou te kite plas la, yo di yo t ap bay chak kay 20,000 goud [500 dola ameriken]...men pi gwo kòb yo te bay yon moun se 2,500 goud [125 dola ameriken] epi moun sa yo te zanmi moun nan komite a oswa fi ki te dakò kouche ak yo...Epi yon jou anviwon 3zè dimaten, yo vini epi yo kòmanse frape pòt yo. Yo dechire tant mwen an ak razwa ak kouto... Yo pouse m deyò epi yo kòmanse dechire tout bagay. M pa te gen tan pou pran anyen; M kite sèlman ak rad ki te sou do mwen an. Nan demen, yo retire tout bagay nan plas la ak yon machin...Twa jou apre yo fin mete nou deyò a, Prezidan an te vini nan plas la; M te wè li."

Yon lòt fanm ki se yon ansyen rezidan Kan Jeremi pataje menm istwa a ak Amnisti Entènasyonal.

“Sete 21 desanm [2011]. Yo vini epi yo detwi tout bagay. Yo dechire pwela yo ak kouto epi yo rache bwa yo. Se manm komite yo ak lòt moun nan zòn nan ki fè sa. Mesye sa enpoze tèt yo tankou dirijan kan an. Pa gen moun ki te chwazi yo. Yon polisye ki te rete nan kan an te ak yo tou. Lapolis te akonpànye yo. Ajan polis yo te nan kraze tant yo tou. Nou te oblije aksepte kou yo paske lapolis te la....Li te ant 3 ak 4è dimaten epi yo te bezwen chase nou nan plas la. Yo te banm yon anvlòp ak lajan ladan. Lè mwen mande yo ki kote m sipoze ale yo di mwen sa pa gade yo. Yo antre ak baton ak kouto, yo bouskile mwen pou fè m soti ak bebe mwen an epi yo kòmanse kraze tout bagay...M te pèdi tout bagay, menm rad bebe mwen an...Lè m gade nan anvlòp la te gen 1,000 goud [25 dola ameriken]... M pa pran kòb la.

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

20

Lè yo fin mete nou deyò Plas Jeremi, nou te pase twa mwa ap dòmi nan yon lakou yon òganizasyon dwa fanm lokal; nou pa te gen okenn kote pou ou ale epi nou te pèdi tout bagay.”

(*) Pa bon non li.

An 2000, moun ki te Rapòtè espesyal sou vyolans kont fanm nan te ekri: "[v]yolans ki fè lè y ap mete yon moun deyò ak fò rive menm avan yo kòmanse mete moun nan deyò. Presyon ki genyen lè pou moun nan aprann yo pral mete li deyò kapab destabilize atmosfè fanmi a epi bay yo anpil chòk emosyonèl... Pandan y ap mete moun nan deyò a menm, souvan yo joure, bat, voye ak menm tiye moun. Lè yo detwi kay moun nan ak zafè li sa bay plis chòk ankò. Lòt chay fanm kapab gen sou do yo apre yo fin mete yo deyò se kote yo blese, fanmi ki mouri, yo pa ka jwenn kote pou yo rete oswa vin ap viv nan lari, pòvrete, oswa yo pa gen soutyen kominote a lè yo al rete lwen kote yo soti."74

Anpil fanm ki te pale ak Amnisti Entènasyonal te santi presyon ak chòk sa te genyen sou lespri yo lè yo t ap mete yo deyò ak fòs oswa plede menase yo y ap mete yo deyò, sitou sa ki gen timoun yo. Lè yo mete yon moun deyò ak fòs, sitou jan yo fè li an Ayiti, vle di non sèlman pou pèdi yon kote pou rete nan yon kan tanporè, menm si li pa te yon pakèt afè, sa vle di tou ou pèdi prèske tout sa ou te genyen tankou ti resous ki te enpòtan pou fanmi a ka viv tankou machandiz pou yo vann nan sektè enfòmèl la.

Jou ki te 12 janvye 2013 la, pandan lemonn t ap komemore twazyèm anivèsè tranblemantè ki te kraze Ayiti a, ofisyèl minisipal ak ofisyèl Ajans Pwoteksyon Sivil la te mete anviwon 600 fanmi deyò Kan Plas Sentàn, nan minisipalite Pòtoprens la. Se sèlman senk jou davans yo te di rezidan kan an epi yo te pwomèt yo 20,000 goud (anviwon 480 dola ameriken) pou chak fanmi. Men anpil nan fanmi yo pa te janm jwenn lajan sa a. Jou yo te mete yo deyò a, yo pa te bay youn nan fanmi yo ase tan pou sanble bagay yo avan yo te detwi kan yo.

“Nou te wè minisipal yo tire nan lè a, ap voye wòch pou nou ka ale, lapolis te vini pita pou ede yo. Kat moun te blese. De nan yo sete yon timoun yon ane ak yon timoun senk an ki te blese lè yon planch bwa te tonbe sou li pandan ofisyèl la t ap detwi tant yo a. Yo te bay lòt rezidan kout wòch epi anpil nan nou te pèdi lajan, telefòn mobil ak lòt bagay pèsonèl nou."

Carnise Delbrun, manm komite kan nan Kan Plas Sentàn

KONSEKANS SA GENYEN SOU MWAYEN MOUN YO POU VIV LÈ YO METE YO DEYÒ AK FÒS

Tranblemantè a te gen yon gwo konsekans sou mwayen tout moun ki afekte yo viv. Prèske 50 pousan fanm ayisyen k ap debouye yo pou fè yon ti lajan ap travay nan sektè enfòmèl la.75Anviwon 45,000 moun k ap travay nan sektè enfòmèl la (vann lakay yo, nan lari a ak nan mache) te soufri anpil apre tranblemantè a epi yo estime 75 pou nan moun sa yo se fanm.76 Medam k ap viv nan kan tanporè yo te di Amnisti Entènasyonal plizyè fwa ak tranbleman tè a yo te pèdi tout mwayen pou yo viv. Medam ki t ap vann nan lari yo te pèdi tout machandiz yo

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

21

ak lòt bagay yo konn itilize pou vann epi li enposib pou yo jwenn lajan pou rekòmanse san aksè mikwokredi ak lòt kalite soutyen. Men, gen kèk ki kòmanse ak ti komès, ti degaje, kote yo achte ak vann piti, sitou bagay pou manje. Menm si sa, yo pa janm fè ase lajan pou bay fanmi yo manje yon fwa pa jou. Kalite aktivite sa a se sous lajan pou yon pakèt fanm an Ayiti epi sa anpeche anpil fanm ki reponsab kay yo jwenn yon bon kote pou rete.

Lè yo mete yon moun deyò ak fòs sa gen yon gwo konsekans sou mwen pou moun nan vi ak aksè li pou jwenn yon kote pou rete, ki te deja kraze apre tranblemantè a. Tout di resous fanmi yo mete deyò ak fòs yo gen nan men yo, yo oblije itilize li pou pran machin yon lòt kote, pou achte materyèl konstriksyon (poto, pwela, elatriye) ak pou yo ranplase bagay enpòtan yo te pèdi pandan yo t ap mete yo deyò ak fòs la.

Medam yo te di Amnisti Entènasyonal ti bagay yo genyen, yo te pèdi yo ankò nan vyolans ak dega moun yo fè lè y ap mete yo deyò ak fòs la. Apre kèk mesye ak kouto nan men yo te pouse Carline (se pa bon non li) pou mete li deyò Plas Jeremi ak fòs, yo pran tout pèsonèl li ak machandiz li. Sèt mwa apre yo te mete li deyò a, li toujou pa ka achte yon bak pou mete machandiz pou vann paske li pa gen kòb epi se zanmi k ap bay li bagay pou manje.

Gen lòt fanm eksplike nou menm kalite bagay la rive yo lè yo mete yo deyò ak fòs. Pifò nan fanm ki te pale ak Amnisti Entènasyonal yo se yo ki sous prensipal fanmi yo oubyen yo pa gen mari k ap ede yo. Yo tout te di kijan li difisil pou yo fè ase lajan pou bay fanmi yo manje. Yo depanse pifò nan ti kòb nan manje ak dlo pou bwè, men malgre sa, li pa menm ase pou bay fanmi yo yon minimòm.77 Lè yo mete yon moun deyò ak fòs, yo depatcha tout sa fanm ak fanmi te travay pou bati pandan plizyè mwa, kraze mwayen yo pou yo viv epi foure yo pi fon nan pòvrete.

DÒMI NAN LARI APRE YO VIN METE YO DEYÒ

Tout swit apre yo mete pifò moun deyò yo vin pa gen yon kote pou yo rete. Pou moun k ap viv nan kan tanporè an Ayiti epi ki deja ap viv nan move kondisyon epi chaje ak pwoblèm paske yo te pèdi kay yo, bagay sa vin twouble yo plis. Pa gen yon grenn nan moun Amnisti Entènasyonal te pale ak yo pa gen youn yo te ofri oswa bay enfòmasyon sou yon lòt kote yo te ka al rete oubyen menm kote yo te ka desann tou swit pou sware a apre yo te fin mete yo deyò ak fòs.

Moun deplase yo te mete deyò sa yo oblije ap dòmi nan lari, san abri, sekirite oswa aksè manje, sèvis tankou dlo ak asenisman epi yo an danje pou tout kalite gwo vyòl dwa moun ak vyolans lè yo se fanm.

Fanmi ki deja ap goumen pou viv oblije rekòmanse ankò epi souvan se sèlman rad ki sou do yo a yo genyen paske yo te kraze detwa ti bagay yo te genyen yon pandan yo t ap mete yo deyò a. Yo pa gen anpil chwa lè y ap chèche kote pou rete paske pa gen anpil teren kote yo ka bati yon kote pou dòmi. Si yo eseye al rete nan yon kan, fanmi ki deja rete la yo ka refize yo epi menm mete yo deyò ak fòs tou. Anpil moun ki deplase pa te ka jwenn mwayen pou viv menm avan tranblemantè a. Se sa ki fè yo pa ka achte materyèl pou bati yon kote pou rete oswa peye machin pou pote yo, oswa ranplase bagay enpòtan yo bezwen.

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

22

TOUT YON VI ANBA DEKONB Virgiela gen 47 an epi yo te mete li deyò Plas Jeremi. Yo te kraze tant li a ak tout sa li te gen ladan.

"Mwen ka pale sa ak ou men mwen santi se kòmsi lespri mwen te lwen, lwen nèt. M te pase sis jou anba dekonb apre tranblemantè a, epi bagay sa vin rive. Yo kraze tant mwen an epi yo pran tout sa ki te ladan. Yo pa te kite anyen dèyè. Lè mwen tounen nan kan an, tout bagay te kraze nèt. Mwen te lopital ak pitit fi mwen ki te malad. Yo te fè sa [mete li deyò] yon mèkredi [21 desanm 2011], mwen te retounen jedi maten. M pa te ka jwenn anyen, pa menm yon bout papye...tankou batistè...pa mwen ak timoun mwen yo. Anyen. Yo chire tou bagay. Yo pran ti bwa lajan mwen an ak tout ti kòb m t ap sere. Yo pran tout bagay.

"Apre yo te vin kraze kan, mwen te ale Jakmèl ak pitit fi mwen an mwen li te mouri 10 jou apre. M te rete la jiska mwa mas. Lè mwen te retounen Pòtoprens m te ale kay sè mwen...M ap viv ak sè mwen kounye a men mari li pa vle mwen nan kay la. Mwen oblije dòmi atè a anba balkon an. M pa byen menm."

PA GEN ASE LOJMAN ALTÈNATIF

Se yon gwo ijans li ye pou yon fanmi yo te mete deyò a jwenn yon kote pou l rete. Li oblije mete tout sa li genyen pou achte manje ak dlo pou li ka achte yon nouvo pwela ak lòt materyèl pou bati yon kote pou l dòmi. Menm lè fanmi yo reyisi bati yon kote pou dòmi, anpil fwa yo pa ge chwa kote pou bati li ki fè yo oblije bati li kote ki danjere - tankou mòn, ravin, ou kote dlo konn desann - oubyen nan bidonvil kote pa gen okenn sèvis opòtinite pou jwenn travay, al lekòl, jwenn swen lè yo malad, ak dlo.

Vilaj tankou Kanaran, pa egzanp, rive jis an Pòtoprens. Tout grenn moun nan kèk kominote te oblije ap viv nan lari apre yo te mete yo deyò fòs nan diferan pati nan vil la epi yo te vin rete la ak lespwa omwen nan Kanaran yo pat ap mete yo deyò ak fòs la tou. Li sou yon gwo teren ansyen Prezidan Réné Préval te deklare "pwopriyete piblik" de mwa apre tranbleman tè a.78 Men, nou toujou pa konnen ki estati teren an epi fanmi yo ki rete la pa gen okenn sekirite pwopriyetè nan teren an. An reyalite, fanmi yo te mete deyò Kan Mozayik yo te al rete Kanaran an me 2012 epi yon gwoup mesye ak zam ki di teren an se pou yo te menase yo epi mete yo deyò ak fòs. Nan plizyè pati Kanaran, yo te di Amnisti Entènasyonal gen moun ki vann moto teren pou 400 dola ameriken bay fanmi yo te mete deyò ki te vle rebati kay yo. Sepandan, paske tranzaksyon sa yo pa te ofisyèl epi yo te ilegal, pèyman sa yo pa te ede fanmi yo vin pwopriyetè.

Nan Kanaran, Amnisti Entènasyonal te rankontre anpil fanmi ak moun yo te mete deyò ak fòs nan plizyè kan nan Pòtoprens epi ki te vin ap viv nan lari. Pami moun sa yo, anviwon 40 nan 250 fanmi yo se moun yo te mete deyò ak fòs nan kan Django nan Dèlma jou ki te 3 out 2011. Pandan plis moun ki dezespere ak chèche yon kote pou rete nan Kanaran, vilaj sa a vin tounen yon nouvo bidonvil. Nan mitan ane 2012 la, Kanaran ki pa gen okenn sèvis, te gen plis pase 40,000 moun ki rete ladan. Yo toujou pa konnen kiyès ki mèt pwopriyete a pandan n ap ekri rapò sa a epi yo poko rekonpanse moun ki te mèt pwopriyete a apre yo te deklare li "pwopriyete piblik".

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

23

5. SOLISYON LOJMAN APRE TRANBLEMANTE AYITI A: YO RETIRE

DWA MOUN NAN SOLISYON AN

PWOJÈ 16/6

Pwojè 16/6 se yon inisyativ sou direksyon gouvènman an pou fèmen sis kan priyorite nan Pòtopens - Plas Bwaye ak Plas Sen Pyè nan Petyonvil, Estad Sylvio Cator, Kanape Vè, Mayi Gate, ak Primati - epi mete moun ki rete nan kan sa yo nan 16 katye.79 Ajans k ap soutni pwojè sa a se IOM, UNDP, the Biwo Nasyonzini pou Sèvis Pwojè (UNOPS), ak Biwo Entènasyonal Trava(ILO). Prezidan Ayiti a te lanse pwojè a out 2011 epi yo te resevwa 30 milyon dola ameriken nan Fon Rekonstriksyon Ayiti a.

y

80 Pita yo te ajoute menm estrateji pou peye kay pou moun yo nan kan tanporè Chanmas la epi bay 4,600 moun kote pou rete epi yo t ap pwolonje li nan lòt kan pandan n ap ekri rapò sa a.

Nan pwojè a, fanmi yo resevwa 500 dola ameriken pou peye kay yo pandan 12 mwa pou ankouraje yo kite kan yo pou yo al rete yon kote ki pi bon ak 25 dola ameriken pou transpòtasyon. Fanmi yo responsab pou jwenn pwòp kay yo pou yo lwe epi pou yo aranje yo ak pwopriyete kay la. De mwa apre yo kite kan yo, fanmi yo resevwa yon lòt 125 dola ameriken si yo toujou ap viv kote yo te lwe a .

Menmsi yo di lè moun ki kite kan yo pou lajan kay la se paske yo vle epi se sa pifò fanmi k ap viv nan kan yo prefere fè, aktivis dwa lojman ayisyen ak fanmi ki te deside fè sa gen enkyetid so Pwojè 16-6. Pi gwo pwoblèm yo gen se paske yo pa jwenn moun pou ede yo jwenn yon bon kote pou rete. Menm si fanmi yo te kite move kondisyon y ap viv nan kay yo epi yo te jwenn yon lòt kote pou rete, sitiyasyon Lajan yo bay pou peye kay la pou yon ane a sèlman ede fanmi yo jwenn yo ti chanm nan yon kay kote kapab pa gen sèvis fondamantal yo bezwen. Jan kòdonatè Pwojè IOM 16/6 la di: "se pa yon kay Se yon ti chanm, espas atè a, ak yon plafon, aksè dlo, yon kizin moun yo pataje, petèt yon twalèt".81

Fanm ki responsab fanmi yo te mete nan pwogram yo peye kay pou yo a te di Amnisti Entènasyonal li enposib pou jwenn yon bon kote pou rete ak sèlman 500 dola ameriken pou tout ane a. Yo sèlman yon ti bout chanm tou pitit ak kondisyon ki te plen ak moun menm jan ak kan tanporè yo te kite dèyè yo. An plis, paske se sèlman yon chanm ki an yon katye popilè yo ka peye, yo gen menm pwoblèm yo te gen avan pou jwenn dlo, asenisman, kote pou lave ak kouran. Li rete yon gwo defi pou jwenn edikasyon pou timoun yo ak travay. Men, yo te santi yo a plis sekirite pase lè yo te rete anba mos pwela yo, sitou pandan lanwit ak sezon lapli.

EKRI YON POLITIK POU LOJMAN NASYONAL

Gouvènman ayisyen an ap devlope premye politik pou lojman nan peyi a. Politik Nasyonal Pou Lojman, Abita ak Devlopman Iben nan ap prepare nan Inite Konstriksyon Lojman ak Batiman Piblik (UCLPB) , yon inite teknik ki te kreye an 2011 epi ki ap travay sou direksyon Premye Minis

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

24

Ayiti a.82

Nan vèsyon avril 2012 maniskri a yo te sikile pou konsiltasyon, UCLPB bay priyorite pou jwenn solisyon ki san danje epi ki dirab pou fanmi ki rete nan kan tanporè yo. Maniskri politik sa a etabli prensip enpòtan ki di bagay tankou se fanmi yo ki responsab pou bati pwòp kay yo, pandan eta a gen yon wòl dirijan parapò ak politik ak regleman pou abòde, pa egzanp, teren pou itilize, planifikasyon, seleksyon zòn devlopman, kòd konstriksyon, ak rediksyon risk ak jesyon anviwònmantal.

Amnisti Entènasyonal akeyi preparasyon maniskri sa a ki, pou premye fwa, pwopoze yon estrateji nasyonal pou devlopman sektè lojman a. Sepandan, malgre gen plizyè milye moun ki sou menas pou yo mete deyò ak fòs, maniskri a pa di ki mezi pou pran pou rasire yo tout moun gen yon minimòm degre sekirite ak pou rasire lè yo ap fè yon moun kite yon pwopriyete yo respekte nòm entènasyonal yo. Epi tou politik la pa gen yon bon plan pou asire moun yo ka peye kay yo, ki pral gen yon gwo konsekans pou kapasite moun ki defavorize yo pou benefisye nan nouvo politik sa a.

Youn nan kote politik sa a ap aji pou moun ki deplase k ap viv nan kan tanporè yo se yon estrateji pou swa fèmen kan yo epi mete rezidan yo yon lòt kote oswa mete kan yo ansanm epi fè sa ki egziste deja yo vin tounen nouvo vwazinay. Estrateji pou tranzisyon sa a baze sou prensip "imanitè" tankou se si moun vle al rete yon lòt kote y ap bezwen fè sa. Maniskri politik la pwopoze pou garanti prensip sa yo ak bonjan kominikasyon, pou tout moun dakò, epi pou gen yon metòd pou rezoud konfli. Li pwopoze yon pwosesis evalyasyon pou klase diferan kan yo pa gwoup, tankou:

1) kan yo dwe rete ouvri tanporèman

2) kan yo dwe fèmen daprè kritè tankou: sitiyasyon pwopriyetè, si li risk pou gen danje natirèl, kantite moun ki gen nan kan an pou gwosè li, ak posiblite pou bati bon kalite kay sou sit la;

3) kan kote rezidan yo deja kòmanse bati ak materyèl ki pi solid;

4) kan kote ka ge nouvo devlopman, men ki pa pral nesesèman benefisye moun yo ki deja rete nan kan an ki pral jwen lajan pou al rete yon lòt kote.

Pou fini, tranzisyon an repoze sou lwaye yo peye pou moun yo (Pwojè 16/6) ki bay fanmi yo yon chans pou kite kan yo dèyè epi jwenn yon lòt kote pou rete. Se sa ki fè li enpòtan pou estrateji pou kan yo entegre nan politik lojman jeneral la, ki baze sou yon ogmantasyon nan kantite kay ki disponib pou lwe.

Maniskri politik la rekonèt ki pa make kontwòl pwosesis ibanizasyon an, epi se plis paske fason yon konstwi kay yo pa fòmèl epi jan yo devlope ak itilize espas yo fèt ak anpil dezòd, sitou nan zòn metwopolitèn nan. Li souliye bezwen pou abòde prese prese planifikasyon, kontwòl pwosesis ibanizasyon an, zafè papye teren

ki pral bezwen, daprè sa politik la admèt, desizyon politik nan pi gwo nivo.

Nan yon jefò pou jwenn solisyon ki posib, san danje, ak dirab pou fanmi ki rete nan kan yo,

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

25

politik la pwopoze pou soutni sektè lojman prive a pou ogmante kantite ak kalite kay ki genyen. Ak pwomosyon kay pou lwe, gouvènman an vize pou rezoud pwoblèm pa gen ase lojman an ak abòde bezwen moun k ap viv nan pòvrete yo.83 Pou zafè sekirite, politik la rekonèt kijan li konplike an Ayiti men li pa te idantifye mezi konkrè pou asire tout moun gen yon minimòm kantite sekirite.

Maniskri politik sou lojman an pa di anyen sou dwa mou epi li pa di anyen sou pwoteksyon Konstitisyonèl dwa pou gen lojman ou eksplike kijan politik sa a pral kontinye ak dwa sa a; se sèlman dwa pou gen pwopriyete prive ki mansyone parapò ak kontèks lojman an Ayiti a.

Politik la abòde zafè mwayen pou peye kay yo sou estrateji finansman an ki baze sou kapasite sektè prive a, ak fanmi yo, pou envesti nan konstriksyon kay. Eta a limite wòl li pou sèlman kontwole ak fasilite mouvman envestisman, tankou yo t ap itilize lajan nan men moun k ap bay lajan ak fon piblik sèlman pou ankouraje envestisman prive oswa pou bouche twou sektè prive a kite, tankou rediksyon risk, pwomosyon sekirite ak amelyorasyon enfrastrikti. UCLPB a pwopoze pou travay ak Ministè Ekonomi ak Finans la pou mete sou pye yon seri refòm ki nesesè pou kreye yon mache finansman fòmèl ki gen kay moun ka peye, men nan moman sa a, li limite anpil an Ayiti paske gen feblès legal nan sektè finans la.

Estrateji asistans finansyè pou fanmi yo t ap pèmèt yon kontribisyon dirèk pou yon kantite fanmi limite daprè yon lis priyorite, ki poko defini, pou resevwa asistans. Politik la di byen klè gouvènman an pap ka repare tout kay tranblemantè a te kraze yo ak bay moun ki pèdi kay yo kay pou yo rete. An plis, li mande pou patnè entènasyonal yo pa fè sa.84

Politik sou lojman an pa janm pale sou konstriksyon kay ki pa koute chè ki ta pral ede dizèn milye fanmi ki toujou nan kan tanporè yo twa ane apre tranblemantè a ak fanmi pòv ki pa te oblije deplase apre tranblemantè a men ki bezwen kay ki pa chè yo jwenn kay yo ka peye.

Pandan li enpòtan refòme ak restriktire sektè finansye a ak bay aksè ki pi fasil pou jwenn kredi pou ankouraje konstriksyon lojman ak envestisman prive an Ayiti, nou wè inisyatif sa yo pap benefisye sektè ki pi pòv nan sosyete ayisyen an pou jwenn bon kalite kay. Paske gen anpil ka pòvrete ekstrèm (56% nan nivo nasyonal) ak chomaj pami mou ki deplase yo nou tou konnen yo pa jwenn okenn finansman fòmèl.

Maniskri politik la pa pote atansyon sou inegalite ki gen ant fanm ak gason nan sosyete Ayiti ak kijan pòvrete ekstrèm afekte fanm plis pase gason epi li se yon gwo baryè lè pou fanm jwenn yon bon kote pou rete. Pa egzanp, yo pwopoze kay sèlman nan finansman prive ak konstriksyon prive ki pou fanmi. Li pa konsidere inegalite ki gen ant fanm ak gason pou jwenn travay nan sektè fòmèl la ak jan sa se yon risk pou gen plis pòvrete ak pa ka jwenn yon bon kote pou rete nan fanmi kote se fanm ki sous prensipal lajan pou fanmi yo.

Politik la dwa abòde koze pou moun gwoup moun ki defavorize yo ka jwenn yon bon kote pou yo rete epi pwopoze yon metòd pou ede yo jwenn kay ki pa chè ak bon kalite. Epi tou li dwe gen yon angajman ak mezi konkrè pou depase baryè ki fè fanm yo pa ka jwenn bon kote pou rete. Maniskri politik fòmalize aksè nan lojman avèk entèvansyon ak kontwòl gouvènman an, ki t ap yon bon devlopman paske jiska jounen jodiya, se plis pa mwayen enfòmèl moun jwenn kay. Sepandan, si yo pa fè yon jan pou konsidere gen twòp fanm ka p travay nan sektè enfòmèl la, fanm k ap viv nan pòvrete yo pral toujou pa ka peye kay. Si nou al kite konstriksyon kay nan men

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

26

fanmi yo ak sektè prive a sa pral rekreye menm kondisyon ki te gen avan tranblemantè a kote se detwa moun ki te gen yon bon kote pou rete.

An plis, maniskri politik lojman nasyonal la pa abòde aksè nan bon tere pou konstriksyon ki bon mache, yon bagay ki kle pou pèmèt moun k ap viv nan pòvrete yo jwenn yon bon kote pou rete ki pa twò chè.85 Moun k ap viv nan pòvrete yo pa nan yon pozisyon pou jwenn teren nan mache k ap vin teren fason fòmèl epi sèl chwa yo gen se achte li nan mache enfòmèl la. Jeneralman kalite teren sa yo pa apwopriye pou konstriksyon. Epi souvan yo kote ki tou pre ravin, kote dlo konn desanm, vilaj oswa bidonvil epi yo lwen tout ti chans moun nan te ka gen pou jwenn travay. Epi tou li pa gen sèvis tankou dlo, asenisman, kote pou jete dechè ak fatra, kifè kondisyon moun yo ap viv la pa bon pou sante yo.

6. DENYE PAWÒL AK REKÒMANDASYON

Otorite ayisyen yo te vyole obligasyon yo pou respekte dwa moun entènasyonal paske yo te mete moun nan kan yo deyò ak fòs epi yo pa te pwoteje moun yo lè t ap fè sa. Yo de deja mete plizyè milye moun deplase ki te rete nan espas piblik oswa pwopriyete prive deyò ak fòs. Moun sa yo vin gen plis pwoblèm epi yo vin tonbe nan plis mizè. Epi tou sa mete yo nan plis risk pou vin viktim lòt vyòl dwa moun.

Amnisti Entènasyonal rekonèt kokennchenn defi ki gen nan rekonstriksyon Ayiti. Men, fòk rekonstriksyon an òganize epi fè yon fason ki ankouraje ak pwoteje dwa moun, tan pou li vyole dwa moun sa yo tranblemantè te a te deja fè gwo dega nan vi yo. Gouvènman dwe moun gwoup moun ki pi mal yo priyorite nan politik ak pwogram li yo. Yon etap enpòtan pou gouvènman an pran se kreye yon lwa ki entèdi yo mete moun deyò ak fòs epi fè yo respekte li. An plis li dwa etabli pwoteksyon legal moun dwe swiv avan yo fè yon moun kite kote li rete a.

An plis lwa a dwe kontwole lè pwopriyetè prive yo ap fè moun kite pwopriyete yo pou yo pa mete moun yo deyò ak fòs. Pandan gouvènman an oblije pwoteje dwa pwopriyetè prive yo daprè lwa nasyonal pou pwopriyete yo, lè y ap fè yon moun kite kote a yo dwe respekte nòm dwa moun entènasyonal. Epi tou li dwa aji kont vyolans ak menas yo fè moun ki rete nan pwopriyete prive yo. An plis, polis yo dwe evite patisipe nan zafè mete moun deyò ak fòs. Gouvènman an dwe kanpe tout zak y ap mete moun deyò ak fòs touswit epi adopte yon lwa pou sispann mete moun ki deplase yo deyò, kit se nan tere piblik ou prive yo rete a, jiskaske gen pwoteksyon ki etabli pou sèten lè y ap fè moun kite teren sa yo, yo respekte nòm dwa moun entènasyonal.

Plan gouvènman an pou fèmen kan kote moun ki deplase yo rete a dwe respekte nòm entènasyonal, tankou ede moun ki pa ka jwenn kay poukont yo jwenn yon bon kote pou rete. Pwojè 16/6 ki te ede moun ki deplase epi ki te ap viv mal yo al rete nan kay yo peye pou yon ane yo se yon bon premye etap. Nou bezwen fè plis bagay pou sèten moun yo ap jwenn asistans pou ede jwenn yo bon kote pou rete ki pral ede yo jwenn plis sekirite. Nou ka kesyone kalite kay yo bay moun yo epi peye yon mwa lwaye a nan plizyè sikonstans. Anpil fanmi Amnisti Entènasyonal te pale ak yo te di se sèlman ti chanm nan move zòn yo pa ka jwenn okenn sèvis tankou dlo yo

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

27

ka peye.

AN plis, anpil fanmi yo peye kay la pou yo kounye a pap ka peye li lòt ane si gouvènman an, ak asistans patnè entènasyonal li yo, pa mete yon pwogram sou pye pou ede yo jwenn mwayen pou yo degaje yo pou viv. Nou dwe bay fanm ki responsab kay yo ak lòt gwoup ki gen risk yo anpil atansyon pou yo pa vin ap dòmi nan lari lè yo pap peye kay la pou yo ankò.

REKÒMANDASYON POU GOUVENMAN AYITI A

Fè yo sispann mete moun deyò ak fòs Sispann mete moun ki sou teren prive ak piblik yo deyò ak fòs touswit epi fè moun yo respekte entèdiksyon pou mete moun deyò ak fòs sa a.

Adopte yon lwa pou sispann fè moun kite kote yo rete a jiskaske gen ase lwa ki sou pye pou asire nenpòt lè y ap fè yon moun kite yon kote, yo respekte nòm dwa moun entènasyonal.

Adopte yon lwa ki anpeche yo mete moun yo deyò ak fòs epi fè yo respekte li. Lwa a dwe gen sa pou moun fè avan yo al fè yon moun kite yon kote, epi li dwe respekte nòm dwa moun entènasyonal ki gen ladan Prensip ak Gid Fondamantal Nasyonzini Sou Devlopman baze sou lè y ap fè moun ki yon kote oswa lè moun deplase. Tout ka yo ap fè yon moun kite yon teren prive ak piblik yo dwe respekte lwa sa a.

Nou dwe mete moun yo deyò sèlman lè se sèl solisyon ki rete epi nou te swiv tout pwosedi nou sipoze daprè lwa entènasyonal. Pwosedi sayo gen ladan yo konsilte rezidan yo pou wè si gen lòt altènatif tan pou mete yo deyò, bay yo ase avètisman, bay posiblite pou jwenn solisyon legal, konpansasyon, ak lòt kote pou rete pou sa yo ki pa ka jwenn poukont yo;

Yo dwe di otorite lokal yo ak Polis Nasyonal Ayiti a pou respekte pwosedi sa yo nou sot di la epi pou yo pa ni patisipe nan mete moun deyò ak fòs, ni soutni li oswa otorize li.

Yo dwe di Polis Nasyonal Ayiti a ak lòt fòs sekirite yo nenpòt fòs yo itilize lè y ap fè yo moun kite yon kote dwe respekte prensip nesesite ak egal ak Prensip Fondamantal Sou Lè Polis ap Itilize Fòs ak Zam.

Bay bon moun yo mete deyò ak fòs yo solisyon ki efikas Respekte dwa tout viktim pou yo gen yon solisyon ki efikas, tankou pou jwenn jistis ak dwa pou reparasyon ki ka gen restitisyon, reyabilitasyon, konpansasyon, satisfaksyon ak garanti sa pap fèt ankò.

Pandan n ap kominike nenpòt desizyon ki gen pou wè ak zafè fè moun kite yon kote, di rezidan yo kijan yo gen dwa pou konteste desizyon an ansanm ak mwayen ak pwosedi pou yo fè sa epi bay yo yon moun pou bay yo asistans legal, kote yo bezwen.

Ratifye Pak Entènasyonal Sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl la Fini ak pwosesis ratifikasyon Pak Entènasyonal Sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl la san reta. Pou fè sa pibliye ratifikasyon lwa Asanble Nasyonal Ayiti te deja adopte a.

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

28

Pwogram pou moun yo jwenn kote pou rete Asire ou pwogram pou mou yo jwenn lò kote pou rete yo, tankou pwogram yo peye kay pou yo a respekte egzijans pou yo rete yon bon kote ki respekte lwa entènasyonal tankou kote li ye, konbyen li kote, si li aksesib ou pa, si se yon kote moun ka rete, si gen sekirite, si gen sèvis ak enfrastrikti ak si li adapte ak kilti moun nan.

Lòt konsiltasyon enpòtan pou maniskri politik lojman nasyonal la Inite Konstriksyon Lojman ak Batiman Piblik, (UCBLP) an dwe mete yon pwosesis sou pye ki pou genyen patisipasyon ak konsiltasyon piblik la sou maniskri politik lojman nasyonal la epi ankouraje patisipasyon gwoup ki defavorize yo nan pwosesis la.

Asire politik lojman nasyonal la respekte nòm dwa moun entènasyonal, tankou dwa pou gen yon bon kote pou rete, trete fanm ak gason menm jan epi entèdi diskriminasyon. Li dwe bay moun ki defavorize yo priyorite, tankou fanm ki rete nan kan yo, nan tout pwogram ak lè n ap fè distribisyon.

REKÒMANDASYON POU ÒGANIZASYON K AP BAY LAJAN AK LOT GOUVENMAN AK AJANS ENTENASYONAL

Òganizasyon k ap bay lajan ak lòt gouvènman ak ajans entènasyonal ki ap bay gouvènman ayisyen lajan ak asistans teknik dwe gen metòd vijilans an plas pou yo sèten lajan yo oswa inisyatif y ap bay jarèt yo pa fè yo vin mete moun deyò ak fòs oswa vyole lòt dwa moun.

Epi tou òganizasyon k ap bay lajan yo dwe sèten yo distribye tout asistans ak koperasyon entènasyonal ak gouvènman ayisyen an yon fason ki pa na patipri, ki egalite ant fanm ak gason epi ki bay sa ki pi mal yo priyorite.

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

29

REMAK POU FINI

1 Daprè done Oganizasyon Entènasyonal Pou Imgrasyon (IOM), 52 pousan popilasyon ki nan kan yo se

fanm. IOM, IASC- Inter-Agency Standing Committee, Haiti E-Shelter/CCCM Cluster, Displacement

Tracking Matrix, V2.0 Update, 12 janvye 2013. Disponib sou:

http://iomhaitidataportal.info/dtm/index2.aspx, nou te aksede li 22 mas 2013.

2 Komite sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl la defini lè yo mete yon moun deyò ak fòs se lè yo "retire

moun, fanmi ak/oswa kominote lakay yo ak/oswa sou tè yo rete kont volonte yo, san yo pa bay yo oswa

bay yo aksè pou jwenn pwoteksyon legal oswa lòt kalite pwoteksyon. (Kòmantè Jeneral 7 sou dwa pou

gen bon lojman lè yo mete moun deyò ak fòs [ The Right to Adequate Housing: forced evictions, para 3].

Komite Dwa Moun nan te di lè yo mete moun deyò ak fòs sa kont atik 17 nan Pak Entènasyonal Sou Dwa

Sivil ak Politik la, ki bay dwe pou pwoteje lwa kont vi prive, fanmi ou kay moun yon fason ilegal (Concluding Observations of the Human Rights Committee: Kenya, UN Human Rights Committee,

CCPR/CO/83/KEN 29 April 2005, para 22.) 3 Atis 22 nan Konstitisyon yo rekonèt dwa tout ayisyen pou jwenn bon lojman, edikasyon, manje ak

sekirite sosyal. 4 Daprè IOM, ant jiyè 2010 ki se lè yo te kòmanse anrejistre ak fen mwa mas 2013, yo te fòse 16,104

fanmi (plis pase 60 000 moun) kite 175 diferan kan nan zòn tranbleman tè te afekte a. Nan kontèks

Ayiti, IOM ak patnè li yo nan Gwoup Travay Abri Nan Lojman, Tè ak Pwopriyete defini lè yo mete yon

moun deyò ak fòs tankou "retire moun, fanmi ak/oswa kominote lakay yo ak/oswa sou tè yo rete kont

volonte yo, san yo pa bay yo oswa bay yo aksè pou jwenn pwoteksyon legal oswa lòt kalite pwoteksyon

(altènatif pou jwenn bon kote pou rete eksetera)". Gade: IOM ak Gwoup Jesyon Kan ak Kowòdinasyon

Kan (CCCM)/Gwoup Abri, Sitiyasyon Moun Nan Kan Ki Deplase Anndan Peyi yo, [Eviction Situation in

Camps hosting Internally Displaced Persons (IDPs)], Septanm 2012. Disponib nan: http://www.eshelter-

cccmhaiti.info/jl/images/pdf/evictionreportenglish_august2012.pdf. Nan 385 kan yo toujou louvri nan

fen mas 2013, 105, comprenant 21,596 fanmi yo (apeprè 75,000 moun) sou menas pou mete moun yo

deyò. Gade Matris Deplasman IOM, 31 mas 2013: http://iomhaitidataportal.info/dtm/

5 Ibid.. 6 Zòn metwopolitèn Pòtoprens la gen sis komin: Site Solèy, Dèlma, Taba, Pòtoprens, Petyonvil ak Kafou

epi yo estime popilasyon total la se 2.47 milyon moun. 7 Pòtoprens se youn nan vil ki gen plis pou moun pou gwosè li sou latè. Daprè Enstiti Ayisyen pou

Estatistik, yo estime popilasyon an 2012 la te 927,575 ak yon dansite 36,678 pou pou chak km2. Zòn

metwopolitèn Pòtoprens la gen anviwon 2.47 milyon moun epi li te gen yon dansite 15,588 moun pou

chak km2. Sous : Enstiti Ayisyen pou Estatistik ak Enfòmatik, Popilasyon Total, popilasyon moun ki gen

18 an ak plis, fwaye, ak dansite estime an 2012; 8 IOM, IASC- Inter-Agency Standing Committee, Haiti E-Shelter/CCCM Cluster, Displacement Tracking

Matrix, V2.0 Update, 12 janvye 2013. Disponib nan: http://tinyurl.com/cz3xd56, nou te aksede li 30 out

2012. 9 Gouvènman Ayiti, Haïti Earthquake PDNA (Post-Disaster Needs Assessment): Assessment of damage,

losses, general and sectoral needs, (Tranblemantè Ayiti PDNA (Evalyasyon Bezwen Apre Dezas):

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

30

Evalyasyon dega, pèt, bezwen jeneral ak sektorèl) paj 6. 10 Gade: Amnisti Entènasyonal, Haiti after the earthquake: Initial mission findings (Ayiti apre tranbleman

tè a: Rezilta preliminè misyon (Anèks: AMR 36/004/2010).

11 Siklòn Thomas te fè anpil dega an Ayiti mwa novanm 2010. An out 2012 tanpèt Izarak te afekte plis

pase 15,000 fanmi ki t ap viv nan kan tanporè yo, sitou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Gade:

OCHA, Bulletin Humanitaire, Haiti, Numéro 21, 1er au 31 août 2012. Disponib nan:

http://tinyurl.com/d9mad2g. Siklòn Sandy te tiye plis pase 54 moun ak 21 ki te disparèt lè li te frape

Ayiti 23 oktòb 2012. Plis pase 33,760 moun te afekte, ak 6,059 kay ki te inonde; 6,274 te kraze nèt

epi 21,427 te pran gwo chòk. ;Gade OCHA Situation Report, Situation Report No. 04, 09 novanm 2012,

disponi b la: http://haiti.humanitarianresponse.info/document/tropical-storm-sandys-impact

12 Rapò Sekretè-Jeneral la Humanitarian assistance, emergency relief, rehabilitation, recovery and

reconstruction in response to the humanitarian emergency in Haiti, including the devastating effects of

the earthquake (Asistans imanitè, sekou, reyabilitasyon, retablisman ak rekonstriksyon apre ijan imanitè

an Ayiti a, ak gwo efè tranblemantè a), A/66/332, 2 septanm 2011, para. 6. 13 Gouvènman Ayiti, Plan stratégique de développement d’Haïti, Pays émergeant en 2030. Tome I: Les

grands chantiers pour le relèvement et le développement d’Haïti (Plan estratejik devlopman Ayiti, Peyi

emèjan an 2030. Tom I: Gran chantye pou relèvman ak devlopman Ayiti), page 161. 14 Popilasyon bidonvil nan tout peyi a ogmante 9 pousan chak ane (7.3 pousan nan Pòtoprens), epi

migran riral yo fòme 50 pousan popilasyon ibèn nan an jeneral. Gade PNUD, La vulnérabilité en Haïti.

Chemin inévitable de la pauvreté (Vilnerabilite an Ayiti, Chemin inevitab povrete). 2004. 15 ONU-Habita (Pwogram Etablisman Moun Nasyonzini a) defini kay nan bidonvil tankou kay ki pa gen

ase bon pwovizyon dlo, ase etablisman asenisman tankou twalèt, asi konte pou moun viv (twòp moun), ak

yon bon kalite estrikti ak/oswa sekirite. 16 Gouvènman Ayiti, Document de Stratégie Nationale pour la Croissance et la Réduction de la Pauvreté

(2008-2010). Pour Réussir le Saut Qualitatif )Dokiman Estrateje Pou Kwasans ak Rediksyon Pòvrete

(2008-2010). Pou Resi Vanse Devan), novanm 2007, para. 171. 17 Gouvènman Ayiti, Document de Stratégie Nationale pour la Croissance et la Réduction de la Pauvreté

(2008-2010). Pour Réussir le Saut Qualitatif )Dokiman Estrateje Pou Kwasans ak Rediksyon Pòvrete

(2008-2010). Pou Resi Vanse Devan), 18 Kan Benediction, Kan CAPVVA ak 15 lòt, Submission to the United Nations Universal Periodic

Review, 12th Session of the Working Group on the UPR, Human Rights Council, October 3-24 2011,

Right to Housing, (Soumisyon Bay Revizyon Peryodik Inivèsèl Nasyonzini, 12zyèm Seyans Gwoup Travay

UPR, Konsèy Dwa Moun, Oktòb 3-24 2011, Dwa pou Lojman) paj 1. 19 Enstiti Ayisyen pou Estatistik ak Enfòmatik, Ayiti: Pwojeksyon popilasyon total daprè awondisman ak

komin, Pòtoprens 1997.

20 UNO-Habitat, A Situational Analysis of Metropolitan Port-au-Prince, (Yon Analiz Sitiyasyon

Metwopoliten Pòtoprens), 2010. 21 Ministè Anviwonnman, La réhabilitation de l’environnement et la réduction de la pauvreté en Haïti,

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

31

(Reyabilitasyon anviwonnman ak rediksyon pòvrete an Ayiti), jen 2007 paj 14. Disponib nan

http://www.eclac.org/ddsah/noticias/paginas/9/35479/01-dsrp.pdf. 22 Ministè Anviwonnman, La réhabilitation de l’environnement et la réduction de la pauvreté en Haïti,

(Reyabilitasyon anviwonnman ak rediksyon pòvrete an Ayiti), jen 2007 paj 14. 23 Ministè Ekonomi ak Finans, PNUD, FAFO, La pauvreté en Haïti, Un profil de la pauvreté en Haïti à

partir des données de l’ECVH, (Pòvrete an Ayiti, Yon pwofil pòvrete an Ayiti apati done ECHV) jen 2005,

paj 33. 24 UN Global Platform for Disaster Reduction, Post-Disaster Needs Assessment (Platòn Global Nasyonzini

Pou Rediksyon Dezas, Evalyasyon Bezwen Apre Dezas), p. 73. 25 Ministè Ekonomi ak Finans, PNUD, FAFO, La pauvreté en Haïti, Un profil de la pauvreté en Haïti à

partir des données de l’ECVH, (Pòvrete an Ayiti, Yon pwofil pòvrete an Ayiti apati done ECHV) jen 2005. 26 Commission Economique pour l’Amérique Latine et les Caraïbes (CEPALC), La pauvreté en Haïti :

situation, causes et politiques de sortie, (Pòvrete an Ayiti: sitiyasyon, kòz ak politik pou sòti)

LC/MEX/R.879 12 out 2005, paj 29 27 Sous: Bank Mondyal, Inequality in Latin American and the Caribbean – Breaking with History?

(Inegalite an Amerik Latin ak Karayib la - Fini ak Listwa?, Washington D.C., World Bank Latin American

and Caribbean Series, 2003, paj 401.

28 Ministè Ekonomi ak Finans, PNUD, FAFO, La pauvreté en Haïti, Un profil de la pauvreté en Haïti à

partir des données de l’ECVH, (Pòvrete an Ayiti, Yon pwofil pòvrete an Ayiti apati done ECHV) jen 2005,

paj 50.

29 An konparezon, 38 pousan gason ki se sous prensipal fanmi yo nan sektè fòmèl la. 30 Ministè Ekonomi ak Finans, PNUD, FAFO, La pauvreté en Haïti, Un profil de la pauvreté en Haïti à

partir des données de l’ECVH, (Pòvrete an Ayiti, Yon pwofil pòvrete an Ayiti apati done ECHV) jen 2005,

paj 50.

31 Nan nòt Gidans, Gid pou Espas la di: "Si li pa posib pou gen 3.5m2, oswa si gen espas an plis nan

pou popilasyon afekte a oswa lòt popilasyon nan zòn nan, nou dwe konsidere konsekans sou diyite, sante

ak vi prive kapab genyen ak yon espas ki pi piti. Nenpòt desizyon pou bay mwens pase 3.5m2 pa moun

dwe souliye, ansanm ak aksyon pou jere move konsekans sa ka genyen sou popilasyon afekte a. Gade:

Pwojè Epas, Handbook : Humanitarian Charter and Minimum Standards in Humanitarian Response,

Shelter and Settlement Standard 3 : Covered living space, (Gaid: Chat Imanitè ak Nòm Minimòm nan

Repons Imanitè, Nòm Abri ak Etablisman 3: Espas pou rete ki kouvri) paj 258. Disponib nan:

http://tinyurl.com/9kujz8t.

32 Kalkil daprè enfòmasyon nan Matris Deplasman IOM nan te kòmanse janvye 2013 la. Yo pa distribye

yo yon fason egal pou kantite moun nan popilasyon moun ki deplase yo. Pou jwenn rezilta yo nou te triye

kolòn ak done sou disponiblite dlo ak twalèt epi nou te ajoute kantite kay ak ak moun nan kan yo parapò

ak kritè sa yo. Tablo sa a montre tout 450 kan yo ak yon evalyasyon kanite kay ak moun nan kan yo,

gwosè kan an ak kalite sèvis ki gen nan kan an. IOM, IASC- Inter-Agency Standing Committee, Haiti E-

Shelter/CCCM Cluster, Displacement Tracking Matrix, V2.0 Update, janvye 2013. Diponib sou:

http://iomhaitidataportal.info/dtm/, nou te aksede li 12 mas 2013.

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

32

33 OCHA, Humanitarian Bulletin, (21 September-18 October 2011). Disponib nan:

http://tinyurl.com/9l2ucvx, nou te pran li 2 oktòb 2012. 34 OCHA, Humanitarian Bulletin, Haiti, Issue 21, 1st to 31st August 2012. 35 Amnisti Entènasyonal, Replik: Fanm yo ap pale kont vyolans seksyèl nan kan ann Ayiti yo - AI Index

AMR/36/001/2011. 36 MADRE, KOFAVIV, Klinik Entènasyonal Fanm Pou Dwa Moun, Sant Pou Etid Sou Fanm ak Refijye, ak

Sant Pou Dwa Moun ak Jistis Global, Struggling to Survive: Sexual Exploitation of Displaced Women and

Girls in Port au Prince, Haiti (Goumen Pou Viv: Eksppolitiktasyon Seksyèl Fanm ak Tifi ki Deplase nan

Pòtoprens, Aiti, 2012; Rapò Ekspè Endepandan sou sitiyasyon dwa moun ann Ayiti, Michel Forst,

A/HRC/20/35/Add.1, 4 jen 2012; OCHA, Pwosesis Apèl Konsolide Ayiti 2012. 37 MADRE, KOFAVIV, Klinik Entènasyonal Fanm Pou Dwa Moun, Sant Pou Etid Sou Fanm ak Refijye, ak

Sant Pou Dwa Moun ak Jistis Global, Struggling to Survive: Sexual Exploitation of Displaced Women and

Girls in Port au Prince, Haiti (Goumen Pou Viv: Eksppolitiktasyon Seksyèl Fanm ak Tifi ki Deplase nan

Pòtoprens, Ayiti, 2012; Human Rights Watch, “Nobody Remembers Us” Failure to Protect Women’s and

Girls’ Right to Health and Security in Post-Earthquake Haiti ("Pa gen moun ki sonje nou" Jan yo pa

Pwoteje Dwa Fanm ak Tifi pou gen Sante ak Sekirite apre Tranblemantè an Ayiti a), 2011; ak FNYU

School of Law Center for Human Rights and Global Justice/Global Justice Clinic, Yon Je Louvri: Jan Pou

Redwi Vilnerabilite Pou Vyolans Seksyèl Nan Kan Ayiti yo, 2012 38 politik sa gen Atik 11, Pak Entènasyonal Sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl, Atik 17, Pak

Entènasyonal Sou Dwa Sivil ak Politik, Atik 16(1) ak 27(4), Pak Sou Dwa Timoun; Atik 5(e), Pak sou

Eliminasyon Tout Kalite Diskriminasyon Rasyal, Atik 14(2) sou Pak Sou Eliminasyon Tout Kalite

Diskriminasyon Kont Fanm, Atik 9 ak 28 Pak sou Dwa Moun Ki Andikape, 21(1) ak 26 Pak Ameriken

Sou Dwa Moun. Yo rekonèt Dwa Pou Gen Bon Lojman an sou Atik 25(1) nan Deklarasyon Inivèsèl Dwa

Moun nan tou. 39 "Tout moun gen dwa pou viv yon fason ki adekwa pou sante ak byenèt li ak fanmi li, tankou dwa pou

jwenn manje, rad, kay, swen medikal ak sèvis sosyal ki nesesè yo." 40 Jou ki te 31 janvye 2012, Asanble Nasyonal Ayiti a te adopte yon lwa ki ratifye ICESCR a. Sepandan,

pou ICESCR a ratifye yon fason apwopriye, Prezidan Ayiti a dwe pibliye nouvo lwa a nan Le Moniteur

(jounal ofisyèl Ayiti) epi apresa gouvènman an dwe soumèt yon dokiman ratifikasyon bay Sekretè Jeneral

Nasyonzini. Pandan n ap ekri rapò sa a, Prezidan an poko pibliye lwa ki ratifye ICESCR a. 41 Atik 17 ICCPR a di: “1. Okenn moun pa gen dwa deranje konsa konsa oswa yon fason ilegal vi prive, fanmi,

kay oswa korespondans okenn moun, ni atake onè ak repitasyon li yon fason ki ilegal. 2. Chak moun gen dwa

pwoteksyon pou yo pa deranje oswa atake li konsa."

42 Komite Kont Tòti a di nan ka Hajrizi Dzemajl kont Yougoslavi a sèten sikonstans yo mete moun deyò

ak fòs kapab gen ka yo maspinen pou, fè l sibi move tretman, trete l kou bèt oswa fè l pèdi lonè l epi sa

kont Atik 16 nan Pak Kont Tòti a. Kominikasyon No. 161/2000, Dokiman Nasyonzini

CAT/C/29/D/161/2000 (2002).

43 Gid Prensip yo "reflete epi yo konsistan ak lwa dwa moun entènasyonal ak politik imanitè ak yo menm

ak politik refijye." "Nòt Entwodiksyon Reprezantan Sekretè Jeneral Sou Moun Ki Deplase Anndan Peyi

yo, Mr. Francis M Deng," Jen 2001 nan Biwo Nasyonzini Pou Kòdinasyon Zafè Imanitè, Gid Prensip Sou

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

33

Deplasman Entèn, 2d ed (2004).

44 Gade Pak Entènasyonal Sou Dwa Sivil ak Politik, atik 12(1), Gid Prensip Sou Deplasman Entèn,

prensip 14, 15.

45 Prensip 1(1), nan Gid Prensip Sou Deplasman Entèn, lan di:

Moun ki deplase yo gen dwa pou yo gen menm dwa ak libète sou lwa entènasyonal ak domestik

menm jan ak lòt moun nan peyi yo. Yo pa dwe fè diskriminasyon kont yo pou yo pa ka jwen

okenn ldwa oswa libète paske yo deplase anndan peyi yo.

46 Komite Sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl, Kòmantè Jeneral No. 20: Non-Diskriminasyon nan Dwa

Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl, Dokiman Nasyonzini E/C.12/GC/20 (2009),¶ 34.

47 Yo pran kalite distenksyon sa yo tankou diskriminasyon: "Yo pral pran tretman diferan pou rezon ki

entèdi yo tankou diskriminasyon amwenske gen yon bon rezon pou jistifye tretman diferan an. Sa pral

gen ladan yon evalyasyon pou wè si objektif ak efè mezi moun yo pran oswa pa pran yo valab, konpatib

ak nati dwa Pak la epi se sèlman pou pwomouvwa byenèt jeneral nan yon sosyete demokratik. An plis,

dwe gen yon relasyon nan pwopòsyon ki klè ak rezonab ant objektif yo vle reyalize a ak mezi yo pran oswa

pa pran ak efè yo. Ibid., ¶ 13.

48 Prensip 18

49 Gade Gid Prensip Sou Deplasman Entèn, prensip 28(1).

50 Prensip 28 (2)

51 Komisyon Nasyonzini sou Dwa Moun nan te rekonèt sou dwa moun entènasyonal tou, lè yo mete yon

moun deyò pa fòs se yon gwo vyolasyon plizyè dwa moun, sitou dwa pou gen yon bon kote pou rete.

Rezolisyon Komisyon Nasyonzini Sou Dwa Moun 1993/77, para. 1.

52 CESCR, Kòmantè Jeneral No. 7, para. 3.

53 Komite Nasyonzini Sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl (CESCR), Kòmantè Jeneral No. 7: Dwa Pou

Gen Bon Lojman: Lè Yo Mete Moun Deyò ak Fòs.

54 CESCR, Kòmantè Jeneral No. 7, para. 15.

55 CESCR, Kòmantè Jeneral No. 7, para. 14.

56 CESCR, Kòmantè Jeneral 7, para. 16.

57 Concluding Observations of the Human Rights Committee: Kenya (Obsèvasyon Final Komite Dwa Moun

nan : Kenya, Komite Dwa Moun Nasyonzini, CCPR/CO/83/KEN 29 April 2005, para 22.

58 Kominikasyon No. 2073/2011, Sa Komite a te adopte nan 106zyèm Seyans li, Dokiman Nasyonzini CCPR/C/106/D/2073/2011, 14 novanm 2012, para 15. 59 Para 16.

60 UN Basic principles and guidelines on development- based evictions and displacement (Basic

Principles), UN Doc. A/HRC/4/18.

61 Atik 276-2 nan konstitisyon ayisyen an di "Lè yo fin dakò byen dakò ak kontra, oubyen ak antant ak lòt peyi,

selon sa konstitisyon an mande, kontra sa yo ak antant sa yo vin fè pati tout lwa ak regleman peyi a. Tout lwa ki

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

Amnisti Entènasyonal - avril 2013 AMR 36/001/2013

34

ale kont yo, pa vo anyen."

62 Daprè lwa ayisyen (Kòd Pwosedi Sivil), nan Ka kote yon kan sou yon teren prive, yo dwe notifye chak

rezidan sou pwosesis legal yo pral pran kont yo, pa an gwoup, epi yo dwe mande yo pou al nan yon jijman

nan tribinal avan. Lè apre jijman yo di pou moun nan kite kay la, non chak moun dwe nan lòd epi yo dwe

notifye li dirèkteman pou li ka kite kote a. Sepandan, lalwa pa defini pwosedi pou swiv lè yon moun

bezwen kite yon teren piblik ak ki otorite ki responsab pou fè li kite li.

63 IOM, Haiti : From Emergency to Sustainable Recovery. IOM Haiti two-year report 2010-2011 (Ayiti:

Soti Nan Ijans Pou Kanpe Sou Pye Nèt. Rapò Dezan Ayiti) p. 9. Disponib nan:

http://tinyurl.com/8ofek2z.

64 Matris Deplasman IOM, 31 mas 2013: http://iomhaitidataportal.info/dtm/

65 Ibid.

66 Pwosedi legal pou repran yon pwopriyete yon lòt moun rete ladan kòmanse ak yon plent yo depoze kay

Jijdepè a (Kòd Sivil, atik 35) ki bezwen vizite sit la epi ekri yon pwosè vèbal ki rekonèt gen yon moun

nan pwopriyete a. Men pwosesis ka pran plis pase dezan avan mèt teren an jwenn yon lòd nan men

tribinal la pou moun nan kite.

67 ONU-Habitat, A Situational Analysis of Metropolitan Port-au-Prince, (Yon Analiz Sitiyason Pòtoprens

Metwopolitèn) 2010, p. 20.

68 IOM, IASC- Inter-Agency Standing Committee, Haiti E-Shelter/ CCCM Cluster, Displacement Tracking

Matrix, DTM rd_10 Master List Jen 2012. Disponib nan: http://www.eshelter-cccmhaiti.info/jl/index.php,

accessed 30 August 2012.

69 Gade Amnisti Entènasyonal, Urgent action : Stop evictions of homeless Haitians (Aksyon ijan, sispan

mete ayisyen ki pa gen kay yo deyò), 27 me 2011, UA: 156/11 Index: AMR 36/006/2011.

70 Yo te mete deklarasyon Majistra a nan jounal o Le Nouvelliste, « Le maire Jeudy récupère de

force les places publiques de Delmas » (Majistra Jeudy pran plas piblik Dèlma a ak fòs), Lendi, 23 me

2012. Disponib nan: http://www.lenouvelliste.com/article4.php?newsid=92828, nou te pran li 2

septanm 2012.

71 IOM ak Gwoup Jesyon Kan ak Kowòdinasyon Kan (CCCM)/Gwoup Abri, Sitiyasyon Moun Nan Kan Ki

Deplase Anndan Peyi yo, [Eviction Situation in Camps hosting Internally Displaced Persons (IDPs)],

Septanm 2012. Disponib nan: http://www.eshelter-

cccmhaiti.info/jl/images/pdf/evictionreportenglish_august2012.pdf.

72 Rapò Gwoup pou Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR), yon òganizasyon dwa moun ayisyen ka p travay

ak moun ki deplase anndan peyi a epi yon manm Alyans pou pwoteksyon dwa moun ki deplase anndan

peyi yo ak dwa pou yo jwenn yon bon kote pou rete. Disponib nan: http://old.garr-haiti.org/?article900.

73 Radyo Metwopòl, « Le président haïtien Michel Martelly a dressé un bilan positif de sa première année

au timon des affaires”, 14 Me 2012. Disponib nan:

http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_poli_fr.php?id=20803; nou te pran li 2 septanm 2012.

74 Rapò Rapòtè Espsyal sou vyolans kont fanm, sa ki lakòz li ak konsekans li yo, Madan Radhika

'PA GEN KOTE POU ALE' Zafè mete moun deyò ak fòs nan kan Ayiti pou deplase yo

35

Coomaraswamy, Economic and social policy and its impact on violence against women (Politik ekonomik

ak sosyal ak enpak li sou vyolans kont fanm), E/CN.4/2000/68/Add.5. Gade tou E/CN/4/2006/118.

75 UNDP, “Women struggle for rights as Haiti recovers” (Fanm yo ap goumen pou dwa yo pandan Ayiti ap

retabli). Disponib nan: http://tinyurl.com/ao7kbud. Nou te aksede li 2 septanm 2012.

76 Evalyasyon Bezwen Apre Dezas 2010 paj 119.

77 Daprè fanm ki te pale ak Amnisti Entènasyonal yo (Jiyè 2012), 5 lit dlo trete te koute 5 goud (10 dola

ameriken), epi yo yon fanmi kat moun, yo ka fè li dire 2 ou 3 jou. Yo vann dlo ki pa trete 5 goud pou 25

lit. Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) etabli 2.5 a 3 lit dlow pa moun pa jou pou yon moun viv;

menm jan ak nòm Espas la(The Sphere Project (Pwojè Espas la) – Chat Imanitè ak Nòm Minimòm nan

Repons Dezas).

78 Gouvènman Ayiti, “Arete ki deklare pwopriyete nan ang Rivyè Bretèl nan Wout Nasyonal Nimewo 1 lè

w pase pa Bon Repo ak Koray-Seslès an tankou pwopriyete piblik ki fòme yon poligòn ak zòn yo rele

Kòkonm nan », 19 March 2010, Le Moniteur 165zyèm anne No. 28, 15 avril 2010. Disponib nan:

http://tinyurl.com/8z4xvy7

79 Yo te chwazi 16 vwazinay pou reyabilitasyon Pòtoprens: Mòn Ekil, Mòn Laza, Nerèt, Dèlma 60 Ajantin,

Panamerikèn Anwo, Panamerikèn Anba, Mòn ak VIla Roza, Ba Kanape Vèt, Bwa Patat, Jan Batis,

Mapou/Mont Elbo, Mayi Gate 1, Mayi Gate 2, Babankou, Kafou Klèsin, Fon Dèlman 31 ak 33.

80 Fon Rekonstriksyon Ayiti se yon patenarya ant gouvènman ayisyen an ak kominote entènasyonal la

pou ede finanse konstriksyon apre tranblemantè a. Se gouvènman Ayiti ki ap dirije li epi se li ki etabli

priyorite li yo. Se Bank Mondyal, Bank Entè-Ameriken Pou Devlopman, ak Nasyonzini ki te etabli li an

mas 2010 apre demann gouvènman ayisyen an. Wòl Fon Rekonstriksyon Ayiti a� se pou soutni Plan

Aksyon Pou Retablisman ak Devlopman Ayiti gouvènman ayiti a ak lòt inisyatif ki lye ak

li. Asosyasyon Devlopman Entènasyonal Gwoup Bank Mondyal la se administratè Fon an.

81 William Booth, “Two years after the earthquake, Haiti is trying to clear tent cities” (Dezan apre tranblemantè a, Ayiti ap eseye retire vil tant yo, The Washington Post, 19 fevriye 2012.

82 UCLPB a gen dwa divizyon, batiman piblik, nouvo devlopman, ak relojman ak relokalizasyon. Inite sa a

kodòne Pwojè 16/6, ak patisipasyon UNDP, UNOPS, ILO ak IOM.

83 Apwòch sa a an dezakò ak lojman nan Amerik Latin ak Karayib la kote politik ak pratik yo kote yo

travay pou moun gen pwòp kay yo tan pou yo lwe. Gade ONU-Habitat, Affordable land and housing in

Latin America and the Caribbean (Teren ak lojman bon mache nan Amerik Latin ak Karayib la). Disponib

nan http://tinyurl.com/9bw5d2t.

84 UCLBP, Politik nasyonal lojman, paj 38.

85 ONU-Habitat, Affordable land and housing in Latin America and the Caribbean (Teren ak lojman bon

mache nan Amerik Latin ak Karayib la).

KESESWA POU YON GWO KONFLIOUBYEN POU YON KONFLI NAN YONRAKWEN SOU LATÈ KE MOUN BLIYEAMNESTY INTERNATIONAL AP FÈ KANPAYPOU JISTIS AK LIBÈTE POU TOUT MOUNEPI CHÈCHE GALVANIZE SIPÒ PIBLIKPOU YON LEMONNMIYÒ

KISA W KAPAB FÈ?

Aktivis nan lemonn antye bay prèv ke li posib pou reziste kont fòs danjerekap detwi dwazimen. Ou fèt pou fè tètansanm ak mouvman sa a. Ou fètpou konbat moun kap simen laperèz ak rayisman.

� Vin manm Amnesty International epi patisipe nan yon mouvmanmondyal kap fè kanpay pou fini ak vyolasyon dwamoun. Ede nou fèyon diferans.

� Bay Amnesty International yon donasyon pou apiye travay lap fè.

Ansanm nou kapab fè yo tande vwa nou.

Mwen enterese resevwa plis enfòmasyon asavwa koumanmwen kapab vinmanmAmnesty International:

Non

Adrès

Peyi

Imel

Mwen vle bay Amnesty International yon donasyon (donasyon an Liv Estèling, $ US oubyenYouwo akseptab)

Kantite

Souple debite kat de kredim: Visa oubyen Mastercard

Nimewo

Dat ekspirasyon

Siyati

Souple voye fòm sa a bay biwo Amnesty International nan peyi w.

Pou adrès biwo Amnesty International nan lemonn antye, souple cheke:www.amnesty.org/en/worldwide-sitesOka pa ta genyen biwo Amnesty International nan peyi w, souple voye fòm sa a bay:

Amnesty International, International Secretariat, Peter BenensonHouse,1 Easton Street, LondonWC1X 0DW, United Kingdom

amne

sty.org

MWENVLE EDE

HC_3908_Haiti_cover:Landscape 28/11/2012 13:13 Page 4

‘PA GEN KOTE POU ALE’MOUN YO FÒSE DEYÒ NAN KAN YO

Twa ane apre gwo tranblemantè Ayiti a, plizyè mil moun toujou ap viv anba tantnan move kondisyon. Pifò nan moun sa yo se fanm ak timoun. Yo kontinye apgoumen pou yo menm ak fanmi yo ka viv malgre li difisil pou yo jwenn bon dlopou bwè, asenisman, swen sante, lekòl oswa lòt sèvis fondamantal. Kapasitemoun sa yo pou fè fas ak difikilte ak detèminasyon yo pou viv ak diyite montrenou kokennchenn posiblite ki gen lakay pèp ayisyen an pou rekonstriksyon.

Amnesty International te dokimante yon bagay li wè nan plizyè ka fanmi yo tefòse mete deyò yo. Yo te retire yon pakèt moun- kèk fwa plizyè santèn fanmialafwa - san yo pa avèti yo davans. Lè yo fòse moun yo deyò sa se yon vyòldwa tout moun ki te oblije kite kay yo nan tout nivo: menas avan yo te mete yodeyò a, vyolans pandan y ap mete yo deyò a, epi yo vin san kay apre yo fin meteyo deyò. Pwopriyetè prive oswa otorite yo te fòse plis pase 20,000 fanmi –plis pase youn nan senk sa yo k ap viv nan kan yo - pou yo kite kote yo rete a.

Daprè entèvyou ak fanm k ap viv nan kan sa yo, rapò sa a montre kijanrekonstriksyon apre tranblemantè Ayiti a pa pwoteje dwa pou moun genlojman ki apwopriye. Li fini ak yon seri rekòmandasyon ki mande pou yo sispannfòse moun kite kan yo ak bagay pou yo fè prese prese pou moun yo ka genlojman ki apwopriye.

amnesty.org

Endèks: AMR 36/001/2013Janvye 2013

HC_3908_Haiti_cover:Landscape 28/11/2012 13:13 Page 1