swen pou tichèltè: sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

12
SWEN POU TICHÈLTÈ Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

Upload: catholic-relief-services

Post on 01-Mar-2016

272 views

Category:

Documents


0 download

DESCRIPTION

Pwogram Tichèltè–CRS la fèt nan lide pou ede moun yo soti anba tant pou y-al rete nan yon espas pwovizwa, ki pap dire tout tan, ki fèt ak bwa epi ki bay moun yo avantaj rete yon kote ki gen plis sekirite, pi alèz epi ki ka dire plis tan annatandan fanmi yo bati oswa jwenn yon kay lwe pou yo rete.

TRANSCRIPT

Page 1: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

SWEN POU TICHÈLTÈ

Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

Page 2: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

2

YON T I RALE VINIDepi aprè tè-a te fin tranble nan lane 2010 la, CRS te komanse pwogram « Retonen nan Vwazinaj » la nan sis (6) kominote. Pwogram sa-a mete sou pye nan lide pou ede nan reparasyon katye-yo epi ede moun yo soti nan kan epi retounen nan katye yo.

Pwogram tichèltè a antre nan menm kad aktivite sa-a.

Ki objektif program Tichèltè-a?Pwogram Tichèltè-CRS la fèt nan lide pou ede moun yo soti anba tant pou y-al rete nan yon espas pwovizwa, ki pap dire tout tan, ki fèt ak bwa epi ki bay moun yo avantaj rete yon kote ki gen plis sekirite, pi alèz epi ki ka dire plis tan annatandan fanmi yo bati oswa jwenn yon kay lwe pou yo rete.

Nan kad pwogram sa-a, CRS gen lide vize chak moun oswa fanmi ki pa gen kote oswa mwayen pou peye yon kote pou yo rete pou kounye-a, , men fòk moun sa-a posede oswa ka jwenn yon kote pou yo mete Tichèltè-a pou li.

Ki vale tan Tichèltè-a ap dire?Kòm CRS ta renmen bay plis moun posib Tichèltè, li enpòtan pou pwogram nan bati yo byen rapid nan yon pri ki pa chè. Sa vle di, Tichèltè-w la pap fin anfom nèt. Pòt ak fenèt yo ka pa fin two byen monte, epi sa ka rive dlo lapli pase nan fant plawoud yo.

Tichèltè yo fèt yon fason pou yo dire anviwon kèk lane. Men tou, vale tan tichèlté ou a ap dire depann de jan ou jere li.

Se devwa pa-w pou ou okipe epi byen jere tichèltè pa-w la. Ti liv sa-a ap ba ou bon jan lide pou ou ka fè sa.

Eske si mwen byen jere tichèltè mwen an, m-ap ka rete ladan pou tout tan?Non. Tichèltè-a pa fèt pou li dire pou tout tan. Li ta enpòtan pou ou komanse oganize-w pou ou bati yon kay ki ap ka dire pi lontan.

Page 3: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

3

ATANSYON!Tichèltè CRS bay yo pa ka reziste gwo siklòn, deboulonay tè oswa lòt gwo bagay tankou sa yo. Pou sekirite ou nou konseye ou soti ladann nan ka sa yo.

Lè gen siklòn, nou konseye ou tande epi fè sa Biwo Pwoteksyon Sivil di pou nou fè pou evakyasyon.

Si tichèltè-w la sou yon pant, fok ou konnen lè tè-a komanse paka kenbe dlo anko, li ka pran glise. Anlè pant lan ka glise andedan chèltè-a, oswa anba pant lan ka glise desann ale.

Si ou rete sou yon pant oswa tou pre yon pant, fè yon ti tcheke tè ki anba ak arebo tichèltè-a detanzantan. Lè gen gwo lapli, li t-ap pi bon pou soti kite tichèltè-a.

Page 4: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

4

Kijan ou ka pwoteje Tichèltè-w kont lapli oswa dlo

CRS deja bay penti pou bwa kifè mi Tichèltè-a. Ou ka chwazi fè sa yo anplis:

• Bouche tout ti trou ki nan fant playwoud yo ak sila ki nan panno yo avèk kòl.

• Pase yon lot kouch penti sou playwoud la pou anpeche dlo-a souse.

KÒMAN POU OU JWI T ICHÈLTÈ PA -W LA PI PLIS POSIBGen twa bagay enpotan ki pa zanmi Tichèltè-w la:

Lapli ak dlo

Van

Ti bèt nwizib (tankou tèmit)

Page 5: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

5

Kijan ou ka pwoteje Tichèltè pa-w la kont van

CRS deja mete sipò sou andan plafon Tichèltè-a pou li ka reziste lè gen van. Men tou, si yo anonse gwo siklon, nou konseye-w soti nan tichèltè-a. OU dwe fè sa Biwo Pwoteksyon Sivil mande pou fè.

Pou pwoteje Tichèltè-a pandan ou pa ladann lan, ou ka chwazi

• Mete sipo anplis pou kenbe mi yo lè gen gwo van. Lè ou retounen nan kay la, se sipò sa-a ki ap pèmèt kay la rete kanpe djanm oswa pran gwo chok.

• Mete sipò an plis ak siman sou deyo mi yo jan nou wè nan desen-an. Kòm siman-an lou anpil, sa ap ede Tichèltè-a rete plante djanm lè van-an ta eseye bwote li.

• Mete plastik oswa prela sou deyo plawoud la, ou byen tou siman ak blok sou deyo-a.

Pou pa jwenn pwoblèm ak atè tichèltè a, CRS gentan bay beton. Si w vle ou ka chwazi mete plis beton epi repare atè a si beton an vin fi ni oubyen disparèt.

Page 6: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

6

LÒT DETAY ENPÒTAN SOU T ICHÈLTÈ

Tanpri, ou dwe konnen pou-w pa limen dife ni andedan ni tou pre tichèltè-a. Fè manje andedan kay la ka lòtè vye lafi men oswa sa ka menm mete dife nan kay la.

Pandan w-ap viv nan Tichèltè-a, ou gen pou ou klouwe planch ki lache yo ou byen tou, drese yon pot oswa yon fenèt si sa ta merite fèt.

Kouran se yon gwo danje ki ka touye. Fil kouran yo dwe byen pase, epi yo pa dwe touche ak tòl plafon-an.

Pa janm kite fi l kouran tou dekale. Toujou tepe pwent fi l yo oswa kote ki dekale yo pou yo pa fè mas oswa pou yo pa lòtè dife pran nan kay-la.

Kijan ou ka pwoteje Tichèltè-a kont ti bèt nwizibPi fò bwa ki nan Tichèltè-a gentan trete ak ensektisid depi nan faktori-a, se sa ki fè yo gen yon ti koule vèt la. Ou ka chwazi fè kèk ti bagay anplis tankou pran yon bwòs, pase ensektisid nan pati ki poko trete nan plawoud yo pou ti bèt nwizib tankou tèmit pa vini ladann.

Page 7: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

7

Lè ou fè chanjman nan mi yo (tankou pete fenèt anplis, oswa fè tichèltè-a vin pi gwo), epi koke po fl è, tout bagay sa yo ka fè Tichèltè-a pèdi fòs.

Al pran konsèy nan men yon bon bòs chapant avan ou fè kwakseswa nan ko Tichèltè-a.

Kèlkeswa twou ou ta fè nan tòl yo, bouche yo ak mastik.

DEPLASE T ICHÈLTÈ PA -W LATichèltè-a se pou fanmi ki anrejistre sou fòmilè RV05 lan : « Antant CRS – Benefi syè abri tranzisyonèl ». Nan kèk sikonstans, sa ka rive yon fanmi ta vle ale yon lòt kote, oswa sèvi ak materyèl ki fè Tichèltè-a si yo pa bezwen Tichèltè-a anko. Pandan w-ap demonte Tichèltè-a materyèl yo ka andomaje, men kèk ti prekosyon ou ka pran si ou vle demonte li:

• Pran san-w pou ou komanse retire tòl ki anlè yo avan.

• Depi-w kapab, frape pwent klou yo pou dèyè yo ka soti yon fason pou ou ka rale yo ak mato-a.

Page 8: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

8

KESYON MOUN KA POZE

Kilès CRS ye?Catholic Relief Services se yon òganizasyon katolik non gouvènmantal kite kreye nan lide pou ede kominote ti malere oswa ki nan bezwen toupatou sou la tè, san patipri ras, nasyonalite oswa relijyon. CRS kòmanse travay Ayiti depi nan lane 1954.

Ki kote CRS Ayiti jwenn lajan pou li reyalize pwojè yo?Lajan ki pèmèt nou mete pwogram-yo sou pye an Ayiti sòti plizyè kote tankou nan men gouvènman ameriken, kèk fondasyon, kèk òganizasyon katolik ki se patnè nou, kèk biwo Nasyon Zini, ak kèk moun apa.

Poukisa CRS Ayiti konstwi abri pwovizwa yo?CRS konnen abri tanzisyonèl yo pa yon solisyon total kapital pou moun ki te pèdi kay yo lè tè-a te tranble a. Malgre sa, CRS te deside bay abri tanzisyonèl yo nan lide pou retire moun yo nan kan ak anba prela, pou mete yo yon kote ki pi asire, alèz epi k-ap dire pi lontan

• Retire tòl yo ansanm ak bwa kite kwaze (yo rele yo tou panno) anba tòl yo, leve yo avèk anpil prekosyon ak yon mato oswa yon ba fè.

• Kounye a, pran anpil prekosyon pou ou leve epi detache panno ki sou kote yo (se pa ni sa devan yo, ni sa dèyè yo). Apre sa, ta sipoze rete senpman twa fèy planch, ou ka chwazi kite yo konsa oswa demonte yo tou.

Page 9: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

9

pandan fanmi yo nan bò pa yo ap bati oswa lwe yon lòt kay. Abri tranzisyonèl CRS yo pap dire pou tout tant gen tan, menm lè yo ka dire lontan.

Eske se vre, si mwen benefisye yon abri, mwen pap ka jwenn viza etazini?Non, se pa vre. Benefisye yon Tichèltè CRS pa gen anyen pou wè ak zafè viza pou kèlkeswa peyi.

POU PLIS ENFÒMASYONPale avèk yon anplwaye CRS ki nan zòn kote ou ye-a.

Si ou ta bezwen you zòrey pou tande pwoblèm ou genyen ak sèvis CRS yo, rele nan nimewo 277.

Page 10: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la
Page 11: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la
Page 12: Swen pou Tichèltè: Sa ou dwe konnen pou ou ka byen pran swen tichèltè pa-w la

Catholic Relief Services #1, Delmas 81Port-au-Prince, Haiti

Illustrator: Michel Junior CharlesCopyright © 2011 Catholic Relief Services