Èske pitit ou a se yon rapòte entimidasyon1. konduit la entolerab, ofansif, menasan, ensil-tan,...

2
KREYE LEKÒL KI PA GEN ENTIMIDASYON Bwochi pou paran Rapòte Entimidasyon Men kèk konsèy si w se yon paran ki bezwen rapòte zak chache kont bay yon lekòl. Ekri sa pitit ou di a pou w kapab sonje tout detay. Pa kite pitit pran tèt ou pou fè w antre nan kalite bagay konsa. Ou ka bezwen pale ak pwofesè a dabò. Answit pale ak lòt si nesesè. Pa kontakte entimidatè a oswa paran li. Kenbe kontak ak lekòl la pou kontwole devlopman sitiyasyon an. Chwa pou w Fè Rapò Ede Pèsekitè a Timoun ki chache kamarad klas yo kont gen risk pou yo gen konpòtman antisosyal lè yo vin majè. Nan yon etid, 60% ti gason ki te anmèdan lè yo te nan klas entèmedyè te gen omwen yon konviksyon kriminèl lè yo te gen laj 24 lane. Men kèk fason ou ka entèveni: Piga refize rekonèt pwoblèm nan oswa pou w pa ba l enpòtans. Pa kwè nan tout sa pitit ou a di. Tcheke reyalite a yo. Eseye wè pou ki sa pitit ou a ap prezante konpòtman chache kont sa a—chache èd pwofesyonèl si necesè. Di pitit ou a ou pa tolere chache kont. Piga pran chache kont kòm modèl (menas, ap frape lòt, etc.) Èske pitit ou a se yon Entimidatè? Keksyon sa yo ap ede w wè si pitit ou a ap anmède lòt moun. Repons “Wi” kapab endike pitit ou a angaje l nan konpòtman anmèdan. Èske pitit ou a: Domine lòt manm nan fanmi an? Itilize me- nas pou l jwenn sa li bezwen? Frè/sè oswa timoun nan vwazinaj la? Ap fè lwanj sou kouman l siperyè lòt ti- moun? Li gen tanperaman dwòl, li fache fasil e li aji san reflechi? Li gen difikilte pou l swiv prensip byen e li enpasyan lè y’ap fè l tann? L’ap triche (fè manti)? L’ap defye moun e/oswa agresif anvè moun ki majè, ni lakay ni lekòl? Patisipe nan konpòtman kriminèl (volè, kraze brize)? L’ap frekante timoun ki gen menm konpòtman sa yo? Gen twa fason ou ka rapòte ensidan chache kont ou sispèk: Rele lekòl la nan telefòn pou w fè rapò a bay pèsonèl la. Ale fè rapò a an pèsòn. Ale nan sit entènèt distri a ki se polk-fl.net. Rantre nan mo kle bullying. Ou ka ranpli yon rapò chache kont oswa ou ka fè kopi fòm Chache Kont lan ak Fòm Pèsekisyon an , ranpli l e retounen l nan lekòl la. Lekòl yo tou gen kopi fòm sa a disponib pou moun ranpli. Misyon Lekòl Piblik nan Depatman Polk la se rasire yo elèv resevwa eksperyans aprantisaj solid, pratik, k’ap debouche sou reyalizasyon pwogrè akademik ekselan. Direksyon Jeneral Lekòl nan Depatman Polk nan Florid entèdi tout fòm diskriminasyon ak pèsekisyon ki chita sou ras, koulè, sèks, relijyon, nasyonalite, si moun marye ou non, laj, moun ki san kay oswa andikape oubyen lòt bagay lalwa entèdi, nan kèlkeswa pwogram, sèvis, aktivite oswa anplwa. Pou fè yon plent, ou ka rele Biwo Egalite ak Fè Respekte Lalwa nan Sèvis Resous Imèn nan (863) 534- 0513. Si w mande nenpòt kalite adaptasyon pou w ranpli aplikas- yon an paske w andikape, tanpri rele Sèvis Resous nan (863) 534-0781.Si w soud oswa w pa tande byen, tanpri relelk Distri Lekòl la nan rele Sèvis Relè nan Florid nan 1- 800-955-8771.

Upload: others

Post on 13-Jan-2020

4 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Èske pitit ou a se yon Rapòte Entimidasyon1. Konduit la entolerab, ofansif, menasan, ensil-tan, imilyan oswa ki bloke pèfòmans lòt moun nan lekòl la, e kòm rezilta, viktim nan

KREYE LEKÒL KI PA GEN ENTIMIDASYON

Bwochi pou paran Rapòte Entimidasyon Men kèk konsèy si w se yon paran ki bezwen rapòte zak chache kont bay yon lekòl.

• Ekri sa pitit ou di a pou w kapab sonje tout detay.

• Pa kite pitit pran tèt ou pou fè w antre nan kalite bagay konsa.

• Ou ka bezwen pale ak pwofesè a dabò. Answit pale ak lòt si nesesè.

• Pa kontakte entimidatè a oswa paran li. • Kenbe kontak ak lekòl la pou kontwole

devlopman sitiyasyon an.

Chwa pou w Fè Rapò

Ede Pèsekitè a Timoun ki chache kamarad klas yo kont gen risk pou yo gen konpòtman antisosyal lè yo vin majè. Nan yon etid, 60% ti gason ki te anmèdan lè yo te nan klas entèmedyè te gen omwen yon konviksyon kriminèl lè yo te gen laj 24 lane. Men kèk fason ou ka entèveni:

• Piga refize rekonèt pwoblèm nan oswa pou w pa ba l enpòtans.

• Pa kwè nan tout sa pitit ou a di. Tcheke reyalite a yo.

• Eseye wè pou ki sa pitit ou a ap prezante konpòtman chache kont sa a—chache èd pwofesyonèl si necesè.

• Di pitit ou a ou pa tolere chache kont. • Piga pran chache kont kòm modèl (menas,

ap frape lòt, etc.)

Èske pitit ou a se yon Entimidatè? Keksyon sa yo ap ede w wè si pitit ou a ap anmède lòt moun. Repons “Wi” kapab endike pitit ou a angaje l nan konpòtman anmèdan. Èske pitit ou a:

• Domine lòt manm nan fanmi an? Itilize me-nas pou l jwenn sa li bezwen? Frè/sè oswa timoun nan vwazinaj la?

• Ap fè lwanj sou kouman l siperyè lòt ti-moun?

• Li gen tanperaman dwòl, li fache fasil e li aji san reflechi?

• Li gen difikilte pou l swiv prensip byen e li enpasyan lè y’ap fè l tann?

• L’ap triche (fè manti)? • L’ap defye moun e/oswa agresif anvè

moun ki majè, ni lakay ni lekòl? • Patisipe nan konpòtman kriminèl (volè,

kraze brize)? L’ap frekante timoun ki gen menm konpòtman sa yo?

Gen twa fason ou ka rapòte ensidan chache kont ou sispèk:

• Rele lekòl la nan telefòn pou w fè rapò a bay pèsonèl la.

• Ale fè rapò a an pèsòn.

• Ale nan sit entènèt distri a ki se polk-fl.net. Rantre nan mo kle bullying. Ou ka ranpli yon rapò chache kont oswa ou ka fè kopi fòm Chache Kont lan ak Fòm Pèsekisyon an, ranpli l e retounen l nan lekòl la. Lekòl yo tou gen kopi fòm sa a disponib pou moun ranpli.

Misyon Lekòl Piblik nan Depatman Polk la se rasire yo elèv resevwa eksperyans aprantisaj solid, pratik, k’ap debouche sou reyalizasyon pwogrè akademik ekselan.

Direksyon Jeneral Lekòl nan Depatman Polk nan Florid entèdi tout fòm diskriminasyon ak pèsekisyon ki chita sou ras, koulè, sèks, relijyon, nasyonalite, si moun marye ou non, laj, moun ki san kay oswa andikape oubyen lòt bagay lalwa entèdi, nan kèlkeswa pwogram, sèvis, aktivite oswa anplwa. Pou fè yon plent, ou ka rele Biwo Egalite ak Fè Respekte Lalwa nan Sèvis Resous Imèn nan (863) 534-0513.

Si w mande nenpòt kalite adaptasyon pou w ranpli aplikas-yon an paske w andikape, tanpri rele Sèvis Resous nan (863) 534-0781.Si w soud oswa w pa tande byen, tanpri relelk Distri Lekòl la nan rele Sèvis Relè nan Florid nan 1-800-955-8771.

Page 2: Èske pitit ou a se yon Rapòte Entimidasyon1. Konduit la entolerab, ofansif, menasan, ensil-tan, imilyan oswa ki bloke pèfòmans lòt moun nan lekòl la, e kòm rezilta, viktim nan

Ki sa Entimidasyon ye? Chak moun ap pale sou sijè entimidasyon, men lè w mande yo, pa gen anpil ki ka bay yon defini-syon ki kenbe e ki klè sou sijè a. Nan Lekòl nan Kanton Polk la, konpòtman yon elèv se entimi-dasyon si li gen twa (3) kritè sa yo:

1. Konduit la entolerab, ofansif, menasan, ensil-tan, imilyan oswa ki bloke pèfòmans lòt moun nan lekòl la, e kòm rezilta, viktim nan santi l pè, choke oswa menase.

2. Dwe genyen fòs kote nan balans ant viktim nan e agresè a.

3. Konduit sa a dwe yon konduit k’ap repete

Entimidasyon se pa sèlman pran lajan manje yon moun oswa pouse yon moun pou l tonbe nan teren jwèt la jan anpil moun kwè sa. Bagay pi ba yo se lòt kalite konduit ki se entimidasyon tou:

• Agresyon Fizik—frape, pouse, krache, fòse moun

• Agresyon Vèbal __bay moun non, anbete, fè remak ensiltan, menase, manke respè, oswa rabese ras moun, enfimite, aparans oswa preferans seksyèl

• Agresyon Emosyonèl-f è bwi kouri, mete yon moun dozado ak gwoup zanmi li nan plede pale bagay ki fè l mal

• Agresyon Seksyèl—Avans oswa zak seksyèl moun nan pa dakò ki vize pou fè lòt moun nan pa alèz, jennen oswa imilye l, e ki ka genyen vye mo sal oswa vye jès deregle, montre pati kò oswa kontak fizik

• Entimidasyon sou Entènèt—sèvi ak entènèt, teknoloji entèaktif ak dijital oswa telefòn mobil pou di vye mo,

imaj oswa langaj, pou fè ekspre pou fè yon moun mal jan yo detaye sa pi wo a.

Èske yo Entimide pitit ou? Pandan gen anpil aksyon ki se konduit agresif, se pa tout ki se ensidan entimidasyon. Tablo pi ba a montre diferans ant jwèt bosal, goumen ak entimi-dasyon.

Èske gen lòt siy ki montre gen entimidasyon? Èske pitit ou a:

• Soti lekòl ak rad li chire oswa nan move eta?

• Mak ble anba po, blesi, oswa ti kòche yo pa ka eksplike sou plas.

• Li pa vle ale lekòl nan maten? L’ap plenyen lestomak fèmal oswa tèt fèmal?

• Pran tan pou l ale lekòl?

• Gen pwoblèm pou l dòmi—pa ka dòmi, reveye souvan, ap fè kochma?

• Li sanble li pa enterese fè devwa lekòl li?

• Sanble tris/deprime, ten li ap chanje tanzantan?

• Li sanble li se yon solitè (rete poukont li)—jis gen kèk zanmi, si l genyen menm?

• Manke konfyans nan tèt li. Li sanble li timid? Si pitit ou a montre nenpòt nan konpòtman sa yo, yo ka ap entimide l. Pale avèk sou entimidasyon. Ou ka pa janm konnen si w pa mande.

“Pa janm kite yo chache w kont pou w pa denonse moun nan. Pa janm kite yo fè w viktim. Pa kite moun defini lavi w pou ou, men se ou ki pou defini tèt ou.”

—Harvey S. Firestone

Ede Moun yo Sible a • Koute pitit ou a. Fè pwoblèm nan anpil kon-

fyans. • Rete kal. • Sipòte pitit ou. Pa blame li. • Pa di pitit ou pou tire revany. Regleman lekòl

la entèdi zafè tire revanj lan e sa ka agrave pwoblèm nan.

• Anseye pitit ou demach kòrèk pou rapòte en-timidasyon ki gen ladann di yon pwofesè sa ki te rive a, ki moun ki fè sa e ki sa l vle pou moun ki majè fè pou l ka santi li an sekirite.

• Rapòte ensidan an bay lekòl la.

Jwèt Bosal Se souvan zanmi

Menm zak la ap repete ankò

Pouvwa se pa premye pwoblèm nan

Pa gen anyen pou l wè ak fè mal

Goumen Yo pa souvan zanmi

Se pa zak ki repete

Prèske menm pouvwa

Len ap chache fè lòt mal

Ton yo negatif, yo fache

Entimidasyon Yo pa zanmi

Zak la repete

Pouvwa yo pa egal

Entimidatè a ap chache fè mal oswa ap imilye

Ton yo varye

Sit Entènèt Entimidasyon Sit entènèt sa a bay plis enfòmasyon konsènan jan pou rekonèt konpòtman entimidatè e kou-man pou ede timoun adapte yo ak bagay sa a nan lekòl ak nan vwazinaj yo. www.PacerKidsAgainstBullying.org www.stopbullyingnow.hrsa.gov www.tolerance.org www.ncpc.org www.Stopcyberbullying.org www.Safeteens.com www.Netbullies.com