secretary's stationary · web viewsi sentòm yo vin parèt kay timoun ou an, chèche swen...

2
Misyon: Pou pwoteje, ankouraje ak amelyore sante tout moun nan Florid grasa efò entegre Eta, konte ak kominote yo. Ron DeSantis Gouvènè Scott A. Rivkees, MD Chèf Sèvis Sante Piblik Eta a Vizyon: Pou nou kapab Eta ki Pi ansante nan Peyi a [Dat] Chè Paran (yo) oswa Responsab Legal (yo): Yo te enfòme Depatman Sante Florid nan Konte ____________ (DOH-___________) pou yon ka COVID-19 nan (NON LEKÒL LA ). Apre yon ankèt, DOH-___________ ap enfòme paran elèv ke yo te idantifye kòm kontak pwòch ka a. Yon kontak pwòch se nenpòt moun ki te an kontak fas a fas oswa ki te pataje yon ti espas pandan yon peryòd tan long avèk yon moun ki enfekte. Yo te idantifye timoun ou an kòm yon moun ki te ekspoze ak ka a. Li pral oblije rete nan karantèn lakay li, epi li ka retounen nan lekòl nan dat __________. Tanpri siveye timoun ou an pou nenpòt sentòm COVID-19 . Si ou remake nenpòt sentòm, kontakte pedyat timoun ou an touswit pou plis evalyasyon ak pou fè tès. COVID-19 se yon maladi respiratwa ki transmèt sitou de yon moun a yon lòt moun pa mwayen ti gout respiratwa ki pwodui lè yon moun ki enfekte ap touse, etènye, oswa pale. Ti gout sa yo kapab ateri nan bouch ak nan nen moun ki toupre oswa petèt aspire nan poumon yo. Moun ki pa montre okenn sentòm gendwa transmèt COVID-19, e se poutèt sa li enpòtan pou kenbe moun ki te ekspoze yo separe avèk lòt moun. Sentòm yo ka parèt 2 a 14 jou apre ou te ekspoze nan viris la. Sentòm ki pi kouran ki asosye ak COVID-19 se lafyèv, tous ak difikilte pou respire. Si sentòm yo vin parèt kay timoun ou an, chèche swen medikal epi fè tès. Meyè fason pou anpeche maladi a se limite ekspozisyon nan viris la. Kenbe distans fizik omwen 6 pye avèk lòt moun. Kouvri bouch ou ak nen ou avèk yon pwoteksyon figi an twal lè ou ozalantou lòt moun. Lave men ou souvan avèk savon ak dlo pandan 20 segonn omwen. Si savon ak dlo pa disponib, itilize yon dezenfektan pou men ki gen omwen 60% alkòl. Netwaye ak dezenfekte regilyèman sifas moun manyen souvan yo. Si ou gen nenpòt kesyon, tanpri rele Depatman Sante Florid nan Konte _____________ nan [NIMEWO TELEFÒN]. Plis enfòmasyon sou COVID-19 disponib nan Depatman Sante Florid nan Konte __________ [Adrès] TELEFÒN: • FAKS: FloridaHealth.gov

Upload: others

Post on 02-Oct-2020

3 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Secretary's Stationary · Web viewSi sentòm yo vin parèt kay timoun ou an, chèche swen medikal epi fè tès. Meyè fason pou anpeche maladi a se limite ekspozisyon nan viris la

Misyon:Pou pwoteje, ankouraje ak amelyore santetout moun nan Florid grasa efòentegre Eta, konte ak kominote yo.

Ron DeSantisGouvènè

Scott A. Rivkees, MDChèf Sèvis Sante Piblik Eta a

Vizyon: Pou nou kapab Eta ki Pi ansante nan Peyi a

[Dat]

Chè Paran (yo) oswa Responsab Legal (yo):

Yo te enfòme Depatman Sante Florid nan Konte ____________ (DOH-___________) pou yon ka COVID-19 nan (NON LEKÒL LA). Apre yon ankèt, DOH-___________ ap enfòme paran elèv ke yo te idantifye kòm kontak pwòch ka a. Yon kontak pwòch se nenpòt moun ki te an kontak fas a fas oswa ki te pataje yon ti espas pandan yon peryòd tan long avèk yon moun ki enfekte.

Yo te idantifye timoun ou an kòm yon moun ki te ekspoze ak ka a. Li pral oblije rete nan karantèn lakay li, epi li ka retounen nan lekòl nan dat __________. Tanpri siveye timoun ou an pou nenpòt sentòm COVID-19. Si ou remake nenpòt sentòm, kontakte pedyat timoun ou an touswit pou plis evalyasyon ak pou fè tès.

COVID-19 se yon maladi respiratwa ki transmèt sitou de yon moun a yon lòt moun pa mwayen ti gout respiratwa ki pwodui lè yon moun ki enfekte ap touse, etènye, oswa pale. Ti gout sa yo kapab ateri nan bouch ak nan nen moun ki toupre oswa petèt aspire nan poumon yo. Moun ki pa montre okenn sentòm gendwa transmèt COVID-19, e se poutèt sa li enpòtan pou kenbe moun ki te ekspoze yo separe avèk lòt moun.

Sentòm yo ka parèt 2 a 14 jou apre ou te ekspoze nan viris la. Sentòm ki pi kouran ki asosye ak COVID-19 se lafyèv, tous ak difikilte pou respire. Si sentòm yo vin parèt kay timoun ou an, chèche swen medikal epi fè tès.

Meyè fason pou anpeche maladi a se limite ekspozisyon nan viris la. Kenbe distans fizik omwen 6 pye avèk lòt moun. Kouvri bouch ou ak nen ou avèk yon pwoteksyon figi an twal lè ou ozalantou lòt moun. Lave men ou souvan avèk savon ak dlo pandan 20 segonn omwen. Si savon ak dlo pa disponib, itilize yon dezenfektan pou men ki gen omwen 60% alkòl. Netwaye ak dezenfekte regilyèman sifas moun manyen souvan yo.

Si ou gen nenpòt kesyon, tanpri rele Depatman Sante Florid nan Konte _____________ nan [NIMEWO TELEFÒN]. Plis enfòmasyon sou COVID-19 disponib nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Center for Disease Control and Prevention) sou sit entènèt li www.cdc.gov/covid19 .

Sensèman,

[NON]Direktè Pwogram Epidemyoloji

Depatman Sante Floridnan Konte __________[Adrès]TELEFÒN: • FAKS:FloridaHealth.gov