sa ki ladan: koneksyon · yo ka diferan e yo ka gen plis eka nan egalite, gwo mankman nan...

4
Semèn Apresyasyon pou Pwofesè a te pran yon siyifikasyon totalman nouvo pandan kriz COVID-19 la an 2020. Pwofesè yo te toujou eksepsyonèl, men yo pa t janm resevwa plis apresyasyon pase sa y ap resevwa pandan epòk san parèy sa a. Paran atravè lemond ap eksperimante travay pwofesè yo fè chak jou pandan yo ap eseye ede nan edikasyon pitit yo sou Entènèt. Pwofesè nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kanpe alavangad nan repons kominote nou an ap bay nan sitiyasyon ‘coronavirus’ la. Pou pwofesè tankou Tanya Diaz- Rothman ki anseye matematik nan ‘Biscayne Beach Elementary’, motivasyon li pou angajman elèv kenbe l okipe nan chèche nouvo aplikasyon enfòmatik. Nan mwa sa a, Rothman Diaz te inogire yon akademi ‘Jedi’ ki enspire sou “Star Wars” kote li te itilize zouti salklas pou mete elèv yo nan salklas separe sou Entènèt pou yo ka travay ansanm. Meyè pati nan aktivite sa a se abiye tankou “Prensès Leia.” Martha Basulto, ki se pwofesè elèv ki gen don nan ‘Coral Reef Elementary School’ kenbe elèv li yo angaje chak jou. Li kreye yon ti “emoji” komik, sou li menm, an katon li voye bay elèv li yo avèk yon powèm ki ankouraje yo pran “Flat Mrs. Basulto” sou tout kalite eksperyans enteresan yo fè, e voye foto yo ba li. Ane sa a, elèv ak paran te oblije demontre plis kreyativite pou montre pwofesè yo kijan yo apresye yo; e teknoloji jwe yon wòl nan sa. Anpil elèv ak paran te itilize medya sosyal, tankou Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ki te voye mesaj sa a sou Twitter, “Travay ak enpak nou fè te rive pi lwen pase salklas yo, e nou ba nou prèv ansèyman ka fèt nenpòt lè, nenpòt kote. Mèsi pou tout sa nou fè pou elèv nou yo.” Yon elèv te pataje mesaj sa a sou Twitter: “Mèsi. Onètman ou se meyè pwofesè mwen janm genyen e ou se sèl rezon ki fè mwen pa t kite lekòl nan premye trimès ane sa a, mèsi pou tout sa ou fè pou mwen. Sa fe yon enpak pozitif sou lavi mwen.” Gen yon paran ki te itilize medya sosyal tou pou fè elòj pou pwofesè Maria Teresa Diaz-Gonzalez ki ap anseye nan ‘Auburndale Elementary School’. Paran an ekri, “Malgre tout sa ki ap pase jodi a, Madan Diaz- Gonzalez vrèman jwenn yon fason espesyal pou konekte avèk elèv li yo e menm paran yo. Sa plis pase yon klas. Se yon fanmi.” Diaz-Gonzalez reponn avèk anpil eksitasyon, “Mwen pa konn sa pou m reponn! Lajwa pòs sa a fè m santi pandan moman sa yo… lè mwen wè pitit mwen yo nan Zoom, mwen vrèman kontan pou m konnen yo an sekirite e yo toujou gen menm pasyon pou aprann. Antouzyas fè ansèyman vin fasil. Se yon onè pou mwen pwofesè yo.” Nan moman difisil sa a, li enpòtan tou pou nou rekonèt mendèv la ann antye, ki gen ladan pwofesyonèl ki pa egoyis, ki devwe e ki toujou pare pou reponn apèl pou yo travay. M-DCPS rekonesan pou sakrifis ak angajman yo pou tout kominote a e li vle di yo MÈSI! NOU AP REMÈSYE TOUT PWOFESÈ AK ANPLWAYE YO 1 KONEKSYON KONEKSYON YON BILTEN ENFÒMASYON POU PARAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY SA KI LADAN: - ‘Florida Prepaid’ - Anpeche Regresyon Akademik - Klas 2020 an Bilten 12 | NIMEWO 63 | ME 2020

Upload: others

Post on 06-Jul-2020

1 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

1 IT’S MY OWN RESUME/ Page Tittle Here

Semèn Apresyasyon pou Pwofesè a te

pran yon siyifikasyon totalman nouvo

pandan kriz COVID-19 la an 2020.

Pwofesè yo te toujou eksepsyonèl,

men yo pa t janm resevwa plis

apresyasyon pase sa y ap resevwa

pandan epòk san parèy sa a. Paran

atravè lemond ap eksperimante

travay pwofesè yo fè chak jou pandan

yo ap eseye ede nan edikasyon pitit

yo sou Entènèt.

Pwofesè nan “Miami-Dade County

Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl

Leta Miami-Dade County) kanpe

alavangad nan repons kominote nou

an ap bay nan sitiyasyon ‘coronavirus’

la.

Pou pwofesè tankou Tanya Diaz-

Rothman ki anseye matematik

nan ‘Biscayne Beach Elementary’,

motivasyon li pou angajman elèv

kenbe l okipe nan chèche nouvo

aplikasyon enfòmatik. Nan mwa sa a,

Rothman Diaz te inogire yon akademi

‘Jedi’ ki enspire sou “Star Wars” kote

li te itilize zouti salklas pou mete elèv

yo nan salklas separe sou Entènèt

pou yo ka travay ansanm. Meyè pati

nan aktivite sa a se abiye tankou

“Prensès Leia.”

Martha Basulto, ki se pwofesè elèv ki

gen don nan ‘Coral Reef Elementary

School’ kenbe elèv li yo angaje chak

jou. Li kreye yon ti “emoji” komik, sou

li menm, an katon li voye bay elèv li yo

avèk yon powèm ki ankouraje yo pran

“Flat Mrs. Basulto” sou tout kalite

eksperyans enteresan yo fè, e voye

foto yo ba li.

Ane sa a, elèv ak paran te oblije

demontre plis kreyativite pou

montre pwofesè yo kijan yo apresye

yo; e teknoloji jwe yon wòl nan sa.

Anpil elèv ak paran te itilize medya

sosyal, tankou Sipèentandan Lekòl yo

Alberto M. Carvalho ki te voye mesaj

sa a sou Twitter, “Travay ak enpak

nou fè te rive pi lwen pase salklas yo,

e nou ba nou prèv ansèyman ka fèt

nenpòt lè, nenpòt kote. Mèsi pou tout

sa nou fè pou elèv nou yo.”

Yon elèv te pataje mesaj sa a sou

Twitter: “Mèsi. Onètman ou se meyè

pwofesè mwen janm genyen e ou se

sèl rezon ki fè mwen pa t kite lekòl

nan premye trimès ane sa a, mèsi pou

tout sa ou fè pou mwen. Sa fe yon

enpak pozitif sou lavi mwen.”

Gen yon paran ki te itilize medya

sosyal tou pou fè elòj pou pwofesè

Maria Teresa Diaz-Gonzalez ki ap

anseye nan ‘Auburndale Elementary

School’. Paran an ekri, “Malgre tout

sa ki ap pase jodi a, Madan Diaz-

Gonzalez vrèman jwenn yon fason

espesyal pou konekte avèk elèv li yo e

menm paran yo. Sa plis pase yon klas.

Se yon fanmi.”

Diaz-Gonzalez reponn avèk anpil

eksitasyon, “Mwen pa konn sa pou

m reponn! Lajwa pòs sa a fè m santi

pandan moman sa yo… lè mwen

wè pitit mwen yo nan Zoom, mwen

vrèman kontan pou m konnen yo an

sekirite e yo toujou gen menm pasyon

pou aprann. Antouzyas fè ansèyman

vin fasil. Se yon onè pou mwen

pwofesè yo.”

Nan moman difisil sa a, li enpòtan

tou pou nou rekonèt mendèv la ann

antye, ki gen ladan pwofesyonèl ki pa

egoyis, ki devwe e ki toujou pare pou

reponn apèl pou yo travay. M-DCPS

rekonesan pou sakrifis ak angajman

yo pou tout kominote a e li vle di yo

MÈSI!

NOU AP REMÈSYE TOUT PWOFESÈ AK ANPLWAYE YO

1 KONEKSYON

KONEKSYON

YON BILTEN ENFÒMASYON POU PARAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY

SA KI LADAN:

- ‘Florida Prepaid’

- Anpeche Regresyon Akademik

- Klas 2020 an

Bilten 12 | NIMEWO 63 |

ME 2020

2 KONEKSYON

Akoz Kriz sante COVID-19

(Kowonaviris) la ki te abouti a yon

fèmti lekòl san presedan pou katriyèm

trimès ane lekòl 2019-2020 an.

Pandan M-DCPS ap travay avèk

dilijans pou asire yon tranzisyon san

pwoblèm soti nan salklas pou antre

nan aprantisaj lakay, yon regresyon

akademik konsiderab ka fèt akoz gwo

chanjman nan anviwònman aprantisaj

la, espesifikman pou elèv ki gen

difikilte yo.

Lè elèv, edikatè ak administratè ap

retounen lekòl nan Otòn nan, salklas

yo ka diferan e yo ka gen plis eka nan

egalite, gwo mankman nan aprantisaj

pou anpil elèv, e difikilte ekonomik

ki vin pi grav pou fanmi ak kominote

ki tradisyonèlman majinalize yo.

Pandan li difisil pou devine sou

sa manke kèk mwa lekòl ka vle di

pou akonplisman elèv, rechèch sou

mankman aprantisaj pandan ete

bay yon apèsi enpòtan sou kòman

pou adrese kèk enpak potansyèl poz

pwolonje nan enstriksyon tradisyonèl

salklas pwolonje sa a ka genyen lè elèv

retounen lekòl.

Plan pou Asire Opòtinite pou

Retablisman Akademik, yo konnen

tou daprè akwonim ‘SOAR’, ki se

yon inisyativ estratejik Distri a

fèk devlope pou redui mankman

aprantisaj pou kèk nan elèv ki pi

frajil yo.

SOAR gen twa faz ladan - Retabli,

Regaye, e Rekòmanse:

• Retabli: Pandan faz sa a, Distri a

pral bay elèv opòtinite pou fè lekti

pandan ete a, remedye, ratrape

kou/kredi, ak pwolonje sèvis ane

lekòl la kòmanse 8 – 10 jiyè. Sa

pral repete pwogram lekòl ete a

deprè, men l ap fèt vityèlman. Elèv

ki gen andikap, elèv ki gen yon

gwo kantite absans, ak elèv ki pa t

patisipe aktivman nan aprantisaj a

distans pral angaje pandan faz sa a.

• Rekipere: Faz sa a pral adrese

sikonstans san parèy elèv aljèb

9èm ane eskolè ak elèv Lekti/

Redaksyon Anglè 10èm ane eskolè

ki pa t gen opòtinite pou yo pran

evalyasyon obligatwa eta a pou

gradyasyon. Distri a pral bay elèv

yo preparasyon egzamen vityèl la

ak leson patikilye pou yo kapab

vin konpetan nan egzamen sa yo

nan kòmansman Otòn nan, lè eta

a pral ofri egzamen sa yo ankò.

Adisyonèlman, pandan faz sa a,

tout elèv pral gen aksè ‘E-Learning

Toolbox’ ak ‘Academic Challenges’,

atravè pòtal elèv yo, jan yo abitye

fè. Tout elèv M-DCPS pral gen aksè

a gwo kontni dijital Distri a lisansye

pou ede elèv ki a nivo nan ane

eskolè yo pou anrichi aprantisaj yo

e kontinye estimile tèt yo pandan

mwa ete yo.

• Rekòmanse: Selon direksyon

otorite sante piblik federal

ak eta yo bay, M-DCPS gen

entansyon ouvè lekòl bonè, 27 jiyè,

espesyalman pou elèv ki demontre

nivo pèfòmans akademik ba yo,

ansanm ak elèv ki gen andikap, e

elèv k ap aprann lang Anglè. Pandan

tan sa a, elèv nou idantifye yo pral

resevwa ansèyman entans sou

ladrès ki nesesè nan sijè akademik

debaz yo pou nouvo nivo ane

eskolè yo, pou yo ka deja prepare

pou siksè akademik. Pandan faz

sa a, Distri a ap planifye tou pou

ogmante kantite lekòl ki patisipe

nan pwogram jounen lekòl pi long

nan, e pou kòmanse lekòl Samdi pi

bonè nan ane a pou ogmante tan

enstriksyonèl la. Si lekòl ta dwe

kontinye rete fèmen pandan faz

sa a, nou ap konvèti plan sa yo nan

modèl vityèl la.

Edikasyon elèv nou yo ak akonplisman

akademik se premye priyorite nou.

Asire defi pou redui nenpòt mankman

nan aprantisaj ki pral rive pandan

pandemi global, istorik, san presedan

sa a, se yon bagay M-DCPS pare pou

l konfwonte dirèkteman nan bonjan

direksyon ak fèm agajman pou n

sipòte TOUT timoun ak fanmi yo nan

kominote nou an.

M-DCPS KANPE POU ANPECHE REGRESYON AKADEMIK

3 KONEKSYON

Pou elèv dènye ane segondè ki ap

gradye atravè peyi a, COVID-19

(coronavirus) te fòse nou fè

modifikasyon ki nesesè oubyen anile

kèk seremoni anyèl pou etap enpòtan

nan lekòl segondè. Gradyasyon se

tradisyon akademik ki pi enpòtan

pou elèv ki te travay tèlman di pou

fini yon edikasyon 12 ane e li se

yon moman enpòtan pou fanmi tou,

dèske yo te sipòte efò sa yo atravè

eksperyans akademik yo. Sa se verite,

espesyalman pou elèv ki se premye

moun ki gradye nan fanmi yo, ak lòt

elèv ki t ap simonte difikilte pèsonèl.

Nan yon efò pou asire gradye Klas

2020 nan “Miami-Dade County

Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta

Miami-Dade County) yo resevwa

seremoni an gran ponp yo merite,

Distri a pral fè seremoni gradyasyon

vityèl pou chak lekòl segondè. Nou

pral difize seremoni yo lendi 8 jen jiska

madi 16 jen. Nou ap difize seremoni

gradyasyon vityèl yo sou Entènèt,

ansanm ak orè seremoni yo e nou ka

jwenn yon achiv videyo nan vizite

Classof2020.dadeschools.net. Nou ap

televize seremoni yo tou sou WLRN

Chèn 17.

Aprè seremoni gradyasyon vityèl

yo, pral gen yon selebrasyon Klas

2020 nan chak lekòl segondè swa

nan ete oubyen ivè a, yon fwa nou

ka fè sa ansekirite dapre machasuiv

CDC yo. M-DCPS te devlope tou yon

kanpay maketing ak medya dinamik ki

ankouraje tout kominote a vin selebre

gradye yo ansanm. Pandan senk

semèn, M-DCPS te mete limyè sou

gradye yo sou medya sosyal e nou te

onore yo avèk yon Jounen Rekonesans

Gradye atravè tout distri a jou ki te

20 me.

Yo te onore meyè administratè

“Miami-Dade County Public Schools

(M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-County)

yo semèn pase pandan yon seremoni

ki te difize andirèk sou Facebook pou

Prim Anyèl Meyè Direktè ak Asistan

Direktè pou Ane a. Yo te nonmen

Rafael A. Villalobos kòm Meyè

Direktè Lekòl pou Ane 2020 an, lidè

karismatik e inovatif Lekòl Segondè

John A. Ferguson ki ede fòme lavi dè

milye elèv atravè Lekòl Leta Miami-

Dade County pou plis pase 20 ane.

Nan aplike filozofi debaz li a, ki

se mete elèv an premye, amou ak

pasyon Villalobos te fè eko nan

chak lekòl li te dirije. Direksyon

li te fè gwo efè, jan evidans yo

montre l nan gwo ogmantasyon to

gradyasyon, pèfòmans akademik,

ak kreyasyon pwogram edikasyonèl

inovatif. Villalobos ap resevwa yon

prim $2,000 kach, lokasyon yon

vwati gratis pou twazan Toyota of

North Miami patwone, ak yon panye

kado espesyal ki valorize a plis pase

$2,000. An dezyèm plas se Leon

Maycock, direktè Lekòl Segondè

Miami Edison. Li resevwa yon prim

$1,000 kach.

Lamar Johnson ki se yon asistan

direktè nan Lekòl Elemantè Jesse J.

McCrary, Jr. Meyè asistan direktè

pou Ane a. Johnson te kòmanse karyè

li an 2008 kòm yon ‘Miami Teaching

Fellow’. Li pral lakay li ak $1,500,

yon televizyon 55-pous Toyota of

North Miami ba li ak yon panye kado

espesyal ki valorize a plis pase $1,000.

An dezyèm plas se Celethia Passmore-

Mack nan Lekòl Elemantè Dr. Manuel

C. Barreiro. Li ap resevwa yon prim

$600 kach.

Se “Dade Association of School

Administrators (DASA)” (Asosyasyon

Administratè Lekòl Dade) ki te

patwone evènman an.

M-DCPS AP ONORE GRADYE KLAS 2020 YO

LEKÒL MIAMI-DADE TE ONORE TÒP LIDÈ ATRAVÈ YON SEREMONI VITYÈL

TI KONSÈY SOU ENTÈNÈT POU PARAN

Primè:Ede yon Elèv ki Fristre

https://bit.ly/2xGvqqb

Segondè:Modifye Estrateji Ou

Si Pitit Ou Fè Move Nòt

https://bit.ly/35DZVJZ

Nan 30 dènye ane yo, pwogram

“Florida Prepaid” (Plan Peye Davans

nan Florid) te ede prèske 1.2 milyon

fanmi ekonomize lajan pou kolèj, e

plis pase 518,000 ale nan kolèj, ki fè

l se pi gwo pwogram e pwogram ki

la pi lontan k ap fè travay sa a nan

peyi a. Nou kontan anonse patnè

nou, ‘Florida Prepaid’, ap bay yon

repons ak difikilte fanmi yo kapab fè

fas pandan COVID-19 la avèk divès

opsyon.

Premyèman, yo pwolonje Peryòd

Enskripsyon an pou jiska 31 me

2020, e yo anile frè aplikasyon $50 a

avèk kòd pwomosyon ‘Miami1920’.

Dezyèmman, nouvo kliyan ‘Florida

Prepaid’ ansanm ak sa ki nouvo

yo gen opsyon pou repòte peman

yo pou jiska 20 jiyè 2020. E

twazyèmman, yo lanse yon pòtal

avèk resous elèv ka itilize lakay yo ki

disponib nan http://www.scholastic.

com/icanbeanything/. Tout aksyon

sa yo fè pati angajman ‘Florida

Prepaid’ pou ede fanmi finansyèman

e akademikman pandan y ap fè fas

avèk enpak pandemi an.

Eta Florid garanti tout Plan Peye

Davans pou Kolèj, e li asire l fanmi

yo pa janm pèdi envestisman yo.

Fanmi yo ka itilize zouti sou Entènèt

Plan Peye Davans la pou kalkile pri

yo e dètemine kisa divès plan yo ap

koute, baze sou laj yon timoun, e

pou eksplore diferan opsyon peman

ki disponib yo. Plan Peye davans yo

kòmanse a $44 pa mwa pou yon ti

bebe – pri ki pi ba depi senkan.

Jou a ap vini kote timoun ap

retounen lekòl ankò, eksele nan

salklas, selebre akonplisman yo avèk

gradyasyon e ale nan kolèj. Prepare

w depi kounye a pou yon avni ki ap

pi bon avèk ‘Florida Prepaid’.

Pou plis enfòmasyon, vizite

myfloridaprepaid.com.

‘FLORIDA PREPAID’ PWOLONJE PREYÒD ENSKRIPSYON

4 KONEKSYON

REYINYON KOMISYON

KONSÈY LEKÒL

DAT AK ENFÒMASYON

ENPÒTAN

17 jen11:00 dimatenReyinyon Regilye

25 meObsèvans ‘Memorial Day’

3 jenDènye Jou Lekòl

4 jenJou pou Pwofesè Fè Planifikasyon

4 IT’S MY OWN RESUME/ Page Tittle Here

@MDCPS@EscuelasMDCPS@MiamiSup

@MiamiSchools@AlbertoMCarvalho1

@MiamiSchools@MiamiSup @MiamiSchools

Rete konekte avèk Lekòl Leta Miami-Dade County. Asire w ou suiv nou sou medya sosyal yo pou dènye nouvèl ak enfòmasyon konsènan distri lekòl la.

#MDCPSConnects

MEDYA SOSYAL

www.dadeschools.net

Perla Tabares Hantman, Chèmann

Doktè Steve Gallon III, Vis Chèmann

Doktè Dorothy Bendross-Mindingall

Susie V. Castillo

Doktè Lawrence S. Feldman

Doktè Martin Karp

Doktè Lubby Navarro

Komisyon Konsèy

Lekòl Miami-Dade

County, Florid

Doktè Marta Pérez

Mari Tere Rojas

Alberto M. Carvalho

Sipèentandan Lekòl yo

Christopher Badillo

Konsèye Elèv nan Komisyon Konsèy Lekòl la

Se yon Pwodiksyon Biwo Kominikasyon an

Daisy González-DiegoOfisye Anchèf Kominikasyon