preparasyon pou siklòn se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

29
Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Upload: jada-marshall

Post on 26-Mar-2015

263 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt

ou!

Page 2: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Apre yon gwo siklòn, pare w pou w depann de tèt ou sèlman pou omwen 3 jou. Yo pral

voye sekou, men sa ka mize.

Page 3: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Gouvènman Lee Konnti “Lee County” a vle pou w pare sizoka

yon move tan ta menase pase nan zòn

sid wès Florid la.

Page 4: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Enfòmasyon sa a pral ede w pwoteje fanmi w ak kay ou nan ka yon siklòn vin ap pase nan

Lee Konnti “Lee County”.

Page 5: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

FÈ YON PLAN !Se pou w konnen ki danje ki

menase sekirite w• van fò• Gwo lanm lanmè• inondasyon dlo dous yo

Chèche yon kote ki pi an sekirite si w oblije evakye

Ale nan Abri piblik si w pa gen okenn lòt kote pou w ale

Preparasyon pou siklòn

Anvan tanpèt la rive

Page 6: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Anvan tanpèt la rive Sèvi ak kouvèti espesyal oswa

ak materyo pwoteksyon pou bouche pòt yo ak fenèt yo

Rantre tout mèb lakou, bwat fatra ak tout lòt bagay lejè anndan

Si otorite yo pase w lòd pou w kite kay ou, fè sa tousuit

Pinga w janm rete nan kay ki fèt nan izin si leta mande w soti

Page 7: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Anvan tanpèt la rive Kore pòt koulisant yo nan ray yo Mare pòt garaj la Plen tank machin ou ak gaz Fèmen tank gaz manje yo epi mare

yo byen Plen basen twalèt la ak veso yo ak

dlo pou fè twalèt ak netwayaj Mete frijidè a sou tanperati ki pi frèt

la

Page 8: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Anvan tanpèt la rive Achte plizyè pil de rechanj pou

radyo yo, flach yo ak jwèt timoun yo Si w rete lakay ou, mete anpil

manje ak dlo nan kay la pou ka ijan Achte glas anplis oswa sere plis

glas. Konsève 3 sachè pou chak moun si gen ase plas

Blòk glas ap rete pi lontan pase glas kraze oswa kib glas nan tèmòs

Page 9: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Anvan tanpèt la rive Fèmen dlo, kouran ak gaz si leta

di n fè sa Re achte medikaman doktè

preskri w yo Mete dokiman enpòtan yo nan

sachè plastik Fè aranjman pou pwoteje bato ou Cheche kote met bèt kay ou

genyen. Yo pap asepte yo nan refij yo.

Bèt ki rann moun sèten sèvis espesyal, y ap kite yo antre anndan refijo yo

Page 10: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Anvan tanpèt la rive Prepare sa bèt sa yo ap bezwen

tou – bèt ou gade lakay ou oswa bèt ki rann moun sèvis espesyal

Page 11: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Pandan tanpèt la ap pase Rete nan yon espas ki nan mitan

kay la, tankou yon pandri oubyen yon saldeben

Pa pwoche kot pòt yo ak fenèt yo

Suiv radyo, televizyon oubyen Radyo Meteyo NOAA a de prè pou w ka tande bilten ofisyèl yo

Page 12: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Pandan tanpèt la ap pase Rete anndan kay pandan

tanpèt la ap pase, menm lè “mitan” siklòn nan fin pase

Evite sèvi ak aparèy elektrik ki konekte nan kouran

Page 13: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Apre tanpèt la fin pase Rete lwen jiskaske otorite yo

di pa gen danje pou w retounen

Tcheke kay ou pou wè si pa gen danje

Pa soti nan lari san nesesite oswa pou w al gade sa k ap pase nan zòn nan

Page 14: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Apre tanpèt la – Rekoneksyon kouran an

Konpayi elektrik yo gen plan detaye pou yo rekonekte kouran an pou ou. An jeneral, y ap bay kouran an dapre priyorite sa yo,

youn apre lòt:1. Izin elektrik yo, liy transmisyon

kouran wot tansyon yo ak ti estasyon kouran yo.

2. Liy prensipal ki pote kouran nan enstitisyon piblik k ap bay sèvis enpòtan yo.

3. Lòt liy prensipal k ap rekonekte kouran pou plis kliyan nan ti kras tan ki pi kout la.

4. Rekoneksyon kouran nan katye yo (blòk-pa-blòk).

Page 15: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Prekosyon ak dèlko PA JANM fè yon dèlko mache

anndan kay Tout dèlko pwodui monoksid kabòn

(CO) ki ka touye moun Monoksid kabòn pa gen ni koulè,

ni odè, ni gou Pou plis sekirite, enstale yon aparèy

pou detekte monoksid kabòn

Page 16: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Prekosyon ak dèlkoPa konekte dèlko ou nan sistèm elektrik kay ou, amwenske ou gen yon switch transfè

Ploge aparèy yo dirèkteman nan plòg dèlko aSèvi ak ralonj solid yo di ki

bon pou moun itilize nan lakou

Pa konekte twòp bagay sou dèlko a yon sèl kou

Page 17: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Prepare bagay ou bezwen yo Rad de rechanj ak soulye solid Lajan likid, pyès idantite ak

papye enpòtan Medikaman preskripsyon ak linèt

de rechanj Atik espesyal pou granmoun aje

oswa pou moun nan gwoup ou a ki andikape (aparèy pou ede moun ak founiti espesyal)

Page 18: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Prepare bagay ou bezwen yo Yon galon dlo pa jou pou chak moun

pou 3 jou pou pi piti Manje ki pa bezwen kuit Veso ki ka sèvi yon sèl fwa pou

kuit/sèvi manje Ouvrebwat ak kle kola ki pa elektrik Atik pou tibebe: manje, kouchèt,

poud, eks

Page 19: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Prepare bagay ou bezwen yo Radyo pòtab ak pil de rechanj Flach ak pil ak anpoul de rechanj Telefòn kay (ki mache menu lè pa

gen kouran) Sache plastik pou met fatra Founiti pou bèt ou gade lakay ou

oswa pou bè ki rann ou sèvis espesyal

Page 20: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Ale nan abri Se pa tout abri ki ouvè pou tout evènman

Chache konnen lokal plizyè abri tou pre kay ou

Suiv radyo ak televizyon pou w ka konnen ki abri ki ouvè

Ka gen transpò disponib: Sou wout espesyal otobis Litchwenn yo Atravè pwogram abri pou moun ki gen

bezwen espesyal (telefone 533-3640 pou information)

Page 21: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Rete nan abriLOPITAL YO SE PA ABRI PIBLIK

Si w gen bezwen medikal espesyal, al enskri nan Pwogram Abri Li Konnti genyen pou moun ki gen bezwen espesyal yo

Rele 533-3640 pou w ka mande plis enfòmasyon sou Pwogram Abri pou moun ki gen bezwen espesyal yo

Page 22: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Sejou nan kote moun pare move tan Bèt moun gade nan kay pa kab al

kote moun pare move tan amwenske kote w prale a asepte bèt moun

Kontakte Biwo ki kontwole ijans yo pou yo ka ba w enfòmasyon koute moun pare move tan ki asepte bèt kay

Page 23: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Preparasyon pou siklòn

Sejou nan kote moun pare move tan Bèt ki rann moun sèten sèvis

espesyal, y ap kite yo antre anndan refij yo

Pa vin ak bwason alkòl, pa vin ak zam

Yo pa pèmèt moun fimen nan kote moun pare move tan yo

Page 24: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Nimewo telefòn enpòtan

Lee Konnti “Lee County” Sant Operasyon Sekou 533-3622 Liy dirèk pou enfòmasyon sou tanpèt477-1900

(lè yo mete l an mach sèlman) Enfòmasyon “United Way”

211

(nenpòt bagay) Lakwa wouj 278-3401 Sèvis anbilans 335-1600 Salvation Army (Ame di sali) 278-1551 Depatman Sante Piblik 332-9501 Sèvis pwoteksyon bèt 533-7387

Page 25: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Nimewo telefòn enpòtan

Biwo chèf pou fè respekte lalwa Cherif Lee Konnti 477-1000

Lapolis Kep Koral 574-0606 Lapolis Fòt Mayèz 338-2160 Lapolis Sanibèl 472-3111 Polis otowout Laflorid yo 278-7100 Pwason ak bèt sovaj 332-6966

Laflorid Gadkòt amerikèn 463-5754

Page 26: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Nimewo telefòn enpòtan

Lopital Lopital “Health Park Medical Ctr.” 433-

77999981 Health Park Circle, Ft. Myers

Lopital “Lee Memorial Hospital” 332-11112776 Cleveland Avenue, Ft. Myers

Lopital “SW Florida Regional Med Ctr.” 939-1147 2727 Winkler Avenue, Ft. Myers

LOPITAL YO PA ABRI PIBLIK

Page 27: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Nimewo telefòn enpòtan Lopital

Lopital “Cape Coral Hospital” 574-2323636 Del Prado Blvd., Cape Coral

Lopital “Lehigh Regional Medical Ctr.”369-21011500 Lee Blvd., Lehigh Acres

Lopital “Gulf Coast Hospital” 768-500013681 Doctors Way, Ft. Myers

LOPITAL YO PA ABRI PIBLIK

Page 28: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Pou plis enfòmasyon٭ Telefone Administrasyon Sekou Lee

Konnti nan (239) 533-3622

٭ Ale nan yon seminè sou siklòn nan kominote a. (Telefone nou oswa tcheke sit wèb nou an pou w ka jwenn yon orè)

٭ Lee revi ki rele “Gid Pou Risk” la, (Telefone nou oswa tcheke sit wèb nou an pou w ka mande yon kopi)

٭ Entènèt: www.Lee-County.com oswa www.LeeEOC.com/

Page 29: Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!

Suiv kanal televizyon sa a pou w ka tande nouvèl

ak nouvo enfòmasyon Sant Operasyon Sekou

Lee Konnti “Lee County” ap bay san rete.