p a a a a - miamidade.gov beach, bal harbour, bay harbor islands, indian creek village, surfside,...

6
Pwogram pou ede moun evakye ann ijans Sèvis kontwòl ijans nan Miami-Dade 9300 NW 41 Street Miami, Florida 33178 (305) 468-5900 www.miamidade.gov/oem Sèvis kontwòl ijans nan Miami-Dade 9300 NW 41 Street Miami, Florida 33178 (305) 468-5900 www.miamidade.gov/oem Enfomasyon sa yo disponib an Angle, Espanyòl ak Kreyòl Ayisyen. Pou fè demann materyèl sa a nan fòma altènatif tankou, Bray, Enprime an Gwo Lèt oswa Elektwonikamn, tanpri rele (305) 468-5900. Lòt Resous 9-1-1 Sèvis Ijans 3-1-1 Enfòmasyon sou Leta Nimewo gratis si w pa nan Miami-Dade County: 1-888-311-DADE (3233); TTY/TTD 305-468-5402 2-1-1 Sèvis sosyal pou fanmi (Family Social Services) TTY: 305-644-9449 Florida Power and Light (FPL) 1-800-4-OUTAGE (800-468-8243); 7-1-1 Pou moun ki gen pwoblèm tande Ajans Federal pou sitiyasyon ijans (Federal Emergency Management Agency) 1-800-621-FEMA (3362); TDD: 800-462-7585 http://www.fema.gov Sèvis kontwòl ijans nan Miami-Dade (Miami-Dade Emergency Management) http://www.miamidade.gov/oem AT&T 1-888-757-6500; TDD: 305-780-2273 6-1-1 (reparasyon) Lakwa Wouj Amerikèn 305-644-1200 http://www.miamiredcross.org URS 8.5x11 CRE 4_12_Layout 1 May/7/2012 2:52 PM Page 1

Upload: nguyendang

Post on 21-May-2018

227 views

Category:

Documents


3 download

TRANSCRIPT

Page 1: P a a a a - miamidade.gov Beach, Bal Harbour, Bay Harbor Islands, Indian Creek Village, Surfside, North Bay Village; Vil Miami (island); Island Estates Aventura epi zòn yo

Pwogram pou ede moun evakye ann ijans

Sèvis kontwòl ijans nan Miami-Dade9300 NW 41 StreetMiami, Florida 33178(305) 468-5900www.miamidade.gov/oem

Sèvis kontwòl ijans nan Miami-Dade9300 NW 41 Street

Miami, Florida 33178(305) 468-5900

www.miamidade.gov/oem

Enfomasyon sa yo disponib an Angle, Espanyòl ak Kreyòl Ayisyen. Pou fè demann materyèl sa a nanfòma altènatif tankou, Bray, Enprime an Gwo Lèt oswa Elektwonikamn, tanpri rele (305) 468-5900.

Lòt Resous

9-1-1 Sèvis Ijans

3-1-1 Enfòmasyon sou LetaNimewo gratis si w pa nan Miami-Dade County: 1-888-311-DADE (3233); TTY/TTD 305-468-5402

2-1-1 Sèvis sosyal pou fanmi (Family Social Services)TTY: 305-644-9449

Florida Power and Light (FPL)1-800-4-OUTAGE (800-468-8243); 7-1-1 Pou moun ki gen pwoblèm tande

Ajans Federal pou sitiyasyon ijans (Federal Emergency Management Agency)1-800-621-FEMA (3362); TDD: 800-462-7585http://www.fema.gov

Sèvis kontwòl ijans nan Miami-Dade (Miami-Dade Emergency Management)http://www.miamidade.gov/oem

AT&T1-888-757-6500; TDD: 305-780-22736-1-1 (reparasyon)

Lakwa Wouj Amerikèn305-644-1200http://www.miamiredcross.org

URS 8.5x11 CRE 4_12_Layout 1 May/7/2012 2:52 PM Page 1

Page 2: P a a a a - miamidade.gov Beach, Bal Harbour, Bay Harbor Islands, Indian Creek Village, Surfside, North Bay Village; Vil Miami (island); Island Estates Aventura epi zòn yo

2

Ki sa Pwogram pou ede moun fè Evakyasyon ann ijans lan ye (EEAP)?Pwogram EEAP se yon pwogram ki fèt pou moun ki rete lakay yo e ki bezwen èd pou evakyasyon (toutmon kite kay yo).

Moun kab enskri nan pwogram EEAP pou nenpòt ijans ki mande evakyasyon, tankou inondasyon,siklòn, materyèl danjere ki gaye oswa gaz kap koule. Sant evakyasyon yo pa gen anpil mwayen, konsa se moun ki enskri k ap jwenn sèvis an premye nenpòt lè gen ijans. Sant pou evakyasyon yo apdisponib sèlman kòm dènye solisyon pou moun ki pa gen okenn lòt kote pou yo ale. Ou dwe chècherefij an premye lakay fanmi w, zanmi w oswa bò kot òganizasyon ki nan kominote a.

Ki moun ki Kalifye pou jwenn èd pou Evakyasyon?Se nenpòt moun ki pa ka evakye tèt yo (ki vle di kite kay yo pou kont yo) oubyen ki pa ka jwenn yonrefij pou kont yo epi ki bezwen èd pou evakyasyon. Moun ki ret nan zòn nan ki ka bezwen èd anplispou yo evakye, akoz yo gen pwoblèm sante, yo bezwen transpò espesyal oubyen yo bezwen lòt èdpou yo evakye, dwe enskri depi davans pou èd sa yo. Sèvis kontwòl ijans nan Miami-Dade ki rele“Miami-Dade Emergency Management” ap travay ak moun ki enskri pou yo kab sèten yo jwenn èd yobezwen an lè gen dezas. Men ki kalte moun ki gen dwa mande èd pou evakyasyon:

• Moun ki pa kab evakye tèt yo pou kont yo akoz yo bezwen transpò espesyal.• Moun ki pa kab kite kay yo, ki pa kab mache al nan estasyon otobis epi ki pa gen pèsòn pou ba yo

woulib.• Moun ki gen pwoblèm sante ki lakòz yo pa kab evakye tèt yo.• Moun ki pran kabann akoz maladi.• Moun ki malad ki nan aparèy ki mache ak kouran, pou yo ka ret an vi.• Moun ki bezwen èd pou tout aktivite nan lavi toulejou yo.

Moun ki rete nan mezon swen sante tankou meson kote yo pran ka moun ki paka swen tèt pa yo, moun sa yo pa kalifye pou pwogram sa a.

Rezon ki fè ou ka bezwen Pwogram EEAPMen sèten gwo evènman danjere ki kapab rive nan Miami-Dade County:• Siklòn oswa gwo toubiyon. • Materyèl chimik oswa materyèl danjere ki gaye (pa aksidan nan izin oswa pa zak teworis).• Gwo dife eksplozyon.• Gwo blakawout jeneral.• Pwoblèm radyasyon (tankou aksidan nan yon izin nikleyè oswa zak teworis).

Lè w planifye depi davans, ou ede jwenn garanti pou ni noumenm ni pwòch nourete san danje epi an sekirite. Lè fini tou, w ap ekonomize tan, lajan epi ou pagen kè kase. Depi davans ou ta dwe rasanble materyèl ou kab bezwen lè w oblijeevakye oswa lè gen yon dezas. Mete yo nan yon veso ki fasil pou transpòtetankou yon sak a do oubyen yon sak espò. Sèvi ak lis sijesyon pi ba a epi tchekechak sa ou mete nan sak la. Gen kèk espas vid yo kite pou sizanka ou vle ajoutekèk atik nan lis la.

Lis Kontwòl sa pou w pote nan yon abri

7

N ap jwenn yon lis detaye sou materyèl pou dezassou sit entènètu a Ready South Florida website:

www.readysouthflorida.org

MANJE/DLO

q Boutèy dlo

q Manje nan bwat konsèv oswa ki p ap gate

q Ti goute

q Manje espesyal pou moun ki nan rejim

ATIK MEDIKAL

q Medikaman

q Enfòmasyon pou preskripsyon(egzanp: doktè, non medikaman)

q Linèt oswa vè kontak

q Ekipman medikal k ap dire(egzanp: beki, baton, sipò pou mache, eks.)

q Ekipman medikal ki ka fin lè w sèvi yo(egzanp: bann pou fè tès [maladi sik], ponppou opresyon, eks.)

RADq Rad de rechanj ak bagay pou met nan pye

BAGAY POU DÒMI

q Lenn, sak kouchaj

BAGAY POU SWEN KÒ W

q Dezenfektan

q Bwòs dan / pat dantifris

q Bagay pou netwaye kò w

PLIZYE LÒT ATIK

q Radyo a pil

q Pil de rechanj

q Twouso premye swen

q Linèt de rechanj

q Lajan kach, kat kredi

q Doub kle

q Papye enpòtan (egzanp, papye rezidans,

papye asirans, pyès idantite)

q Flach

q Souflèt

q Sache plastik pou fatra

q Nimewo telefòn enpòtan

q Bagay pou timoun jwe (egzanp: jwèt

pasyans, ti jwèt piti, ti nounous)

q Manje ak founiti pou bèt domestik

q Kouchèt

q

q

q

q

W ap jwenn plis enfòmasyon lè w kontakte Miami-Dade County Answer Center:

3-1-1 oswa (305) 468-5900TDD: (305) 468-5402

oubyen Florida Relay Service at 7-1-1Sit wèb ki gen enfòmasyon sou ijans: www.miamidade.gov/oem

URS 8.5x11 CRE 4_12_Layout 1 May/7/2012 2:52 PM Page 2

Page 3: P a a a a - miamidade.gov Beach, Bal Harbour, Bay Harbor Islands, Indian Creek Village, Surfside, North Bay Village; Vil Miami (island); Island Estates Aventura epi zòn yo

Register NowDo not wait until an evacuation order is issued.

4 5

Tout moun ki ranpli yon fòmilè demann ap resevwa yon lèt pa lapòs ki fè yo konnen:• Ki èd pou evakyasyon yo kalifye pou yo resevwa• Responsabilite pa yo pou yo gen yon plan evakyasyon pa yo ak ti bwat ekipman yo; epi• Responsabilite pa yo pou yo vini ak tout nouvo enfòmasyon pa yo si gen chanjman.

Poutèt pa gen anpil anplwaye k ap bay èd, nou konseye pou yon moun ki konn bayswen vin ansanm ak moun ki evakye a epi rete avèk li nan sant evakyasyon an pou yokab asire pwoblèm moun nan regle san pèdi tan.

Anons pou moun ki fè Demann

Ki sa nou dwe Atann• Kou Miami-Dade County fin detèmine yo dwe pase lòd

pou evakyasyon, tout moun ki te enskri depi davansnan pwogram EEAP ap resevwa yon kout fil ki soti nanMiami-Dade Emergency Management pou yo kakonnen si moun sa yo bezwen sèvis transpò espesyaloubyen sèvis abri espesyal.

• Apre sa, responsab sèvis transpò yo ap kontaktemoun ki enskri pou yo patisipe nan pwogram EEAP apou yo kab di yo vè ki lè y ap vin chèche yo.

• Moun ki enskri nan pwogram EEAP a ki gen mwayentranspò pa yo, y ap resevwa yon kout fil pou yo ka konnen ki kote y ap jwenn abri ki pare pou yo.

• Pandan ijans yo prevwa a ap pwoche, seresponsabilite patisipan an pou l mete l prè pou lievakye lè transpò a rive. Si l rate okazyon machin kivin chèche la, ka pa gen tan pou yo vin evakye l yondezyèm fwa.

Se responsabilite patisipan an pou l toujougenyen bon jan enfòmasyon pou yo

kontakte li. Y ap kontakte patisipan yo patelefòn pou fè kowòdinasyon evakyasyon

ak yo, kou yo pase lòd evakyasyon.Patisipan yo dwe rele sèvis pou kliyan

pwogram EEAP a nan nimewo(305) 513-7700 oswa 3-1-1 pou rapòte toutchanjman ki fèt nan enfòmasyon yo te bay

nan fòmilè demann nan.

Lè gen yon dezas ki fèt, moun ki rete Miami-Dade County konenn ki jan sa enpòtan pou yo suiv lòdevakyasyon yo bay epi pou yo prese soti nan zòn danjere ki ka fè yo ditò. Alafen, se responsablitechak moun pou yo rete an sekirite epi al chèche refij pou wete kò yo anba danje. Se pou sa li enpòtananpil pou moun zòn nan planifye depi davans yon fason pou pwoteje tèt yo sizanka gen yon dezas.

Pwogram anonse danje nan Miami-DadePa kite se ou menm ki dènye moun ki konnen lè yo pase lòd pou moun evakye. Enskri nan pwogramanons danje Miami-Dade Alerts la pou w kab resevwa avètisman pa tèks sou telefòn ou lè gen ijans.

Pou plis enfòmasyon epi pou w kab enskri, ale sou sit www.miamidade.gov/oem

Pou kab konnen si kote w rete a nan zòn evakyasyon, ale sou sit:http://tinyurl.com/md-hurricanezone (Antre adrès kote w rete a epi klike sou “Hurricane Storm Surge

Evacuation Zone”) oubyen rele Sant repons Miami-Dade (Miami-Dade Answer Center) nan nimewo 3-1-1or 1-888-311-DADE (3233).

Zòn evakyasyon

Zòn A (Zòn wouj):Tout kote nan Miami-Dade County kinan zòn sa a nèt oubyen ki gen yonpati ladan: Miami Beach; KeyBiscayne; tout ti zile ki nan BiscayneBay a, tankou Golden Beach, SunnyIsles Beach, Bal Harbour, Bay HarborIslands, Indian Creek Village, Surfside,North Bay Village; Vil Miami (island);Island Estates Aventura epi zòn yorele 8 ½ Square Mile Area – ki ant SW104th St. ak SW 168th St. ansanm akSW 187th Ave. rivw SW 237th Ave.an.

Zòn B (Zòn jòn):Tout kote nan Miami Dade County kinan zòn sa a nèt oubyen ki gen yonpati ladan: bò lès Biscayne Blvd.-Aventura, North Miami Beach, NorthMiami, Miami Shores; Vil Miami – bòlès Main Highway ak South BayshoreDr.; Coral Gables – bò lès Old CutlerRd.; Pinecrest – bò lès Old Cutler Rd.;Palmetto Bay – bò sid SW 138th St aklès Old Cutler Rd.; Cutler Bay – bò sidSW 184th St, bò lès Old Cutler Rd.,Homestead – bò lès Turnpike; FloridaCity - bò lès Turnpike.

Zòn C (Zòn vèt):Tout kote nan Miami Dade County kinan zòn sa a nèt oubyen ki gen yonpati ladan: Palmetto Bay – bò sid SW152nd St, bò lwès Old Cutler Rd, riveUS 1; Cutler Bay – bò sid SW 184thSt (Eureka Dr.), bò lwès Old CutlerRd., rive SW 127th Ave; Homestead -bò lwès Turnpike; Florida City – bòlwès Turnpike.

SE POU W KONNEN ZÒN EVAKYASYON OU POU SIKLÒN

Moun ki fè demann epi ki kalifye, y apvoye you nan yon abri ki apwopriye

dapre bezwen yo. Gen Santevakyasyon ki disponib tou poutimoun ki poko gen 18 an epi ki

bezwen swen epesyal.

URS 8.5x11 CRE 4_12_Layout 1 May/7/2012 2:52 PM Page 3

Page 4: P a a a a - miamidade.gov Beach, Bal Harbour, Bay Harbor Islands, Indian Creek Village, Surfside, North Bay Village; Vil Miami (island); Island Estates Aventura epi zòn yo

FounitiSe moun ki evakye a ki responsab potemedikaman ki kont pou omwen 72 èdtan,ansanm ak sipleman manje, ekipmanmedikal, ak lòt bagay pèsonèl, lè l pralnan sant la. Si ou nan rejim, nou konseyew anpil anpil pou w mache ak manjeespesyal sa yo pouw kab pa genpwoblèm pyès.

6 3

RESPONSABLITE MOUN KI EVAKYE A

Bèt ki rann sèvis/bèt Domestik• Yo asepte chen pou avèg ak lòt bèt ki rann sèvis nan

tout sant evakyasyon lè gen ijans yo.

• Moun ki te mande èd evakyasyon dwe fè aranjmanpou evakye bèt domestik yo genyen epi pou swenyo, anvan yo evakye yomenm.

• Miami-Dade ofri Sant evakyasyon ki asepte bètdomestik pou tout moun ki rete nan zòn ki kalifye pouevakyasyon, nan kay ki pa an sekirite oswa kay mobil.

• Moun ki evakye yo dwe toujou rete ak bèt domestikyo nan sant evakyasyon an, e yo pa ka annik vindepoze bèt la.

Peryòd IjansMoun ki te enskri davans dwe fè tout efò yo kapab pouyo deja pare pou lè machin k ap vin chèche yo a rive.Se responsablite moun sa a pou l suiv tout dènyeenfòmasyon nan radyo ak televizyon sou ki sa li kapabgen pou l fè. Si moun ki te enskri davans lan rateokazyon machin ki vin chèche la, ka pa gen tan pou yovin evakye l yon dezyèm fwa.

Responsab Swen ki Akonpaye mounPoutèt pa gen anpil anplwaye k ap bay èd, noukonseye pou yon moun ki konn bay swen vin ansanmak moun ki evakye a epi rete avèk li nan santevakyasyon an pou yo kab asire pwoblèm moun nanregle san pèdi tan.

Èske w te konnen?

Lè ou fè nimewo 3-1-1 w apjwenn sèvis pèsonèl swa annangle swa an panyòl swa ankreyòl kote y ap reponn tout

kesyon ou genyen sou sèvis akpwogram leta yo.

• Pwogram EEAP pa gen anpil mwayen, se moun ki deja enskri k ap jwenn sèvis an premye nenpòtlè gen ijans.

• Sant evakyasyon yo sèvi refij sèlman kòm dènye solisyon poun ki pa gen okenn lòt kote ansekirite pou yo ale lè yo evakye. Sant sa yo pa gen menm nivo swen oswa menm ekipman yosant sante genyen.

• Moun ki merite swen medikal sofistike tankou moun ki bezwen oksijèn toutan, moun ki bezwenaparèy ki mache ak kouran pou yo ka ret an vi ak moun ki gen lòt pwoblèm sante grav, y ap meteyo yon kote ki ka reponn ak nivo swen eta sante yo mande a.

• Si gen plis pase yon sèl moun lakay ou ki bezwen swen medikal espesyal pandan evakyasyonan, yo chak dwe ranpli yon fòmilè demann apa.

• Pou moun ki bezwen swen medikal sofistike, yo ka oblije ranpli yon fòmilè demann ki mandesiyati yon doktè ladan yon sèl fwa.

• Moun ki fè demann yo ap resevwa yon lèt ki soti nan Miami-Dade County pou fè yo konnen si yoasepte yo nan pwogram nan.

Enskri Kounye aPa ret tann jis lè leta pase lòd pou moun evakye.

Fason pou w Mande èd

Moun zòn nan ki enskri nan pwogram nan ap kab ret tèt frèt, paskeyo konnen si gen yon dezas ki rive sanzatann, y ap jwenn èd yobezwen pou yo evakye a epi y ap jwenn yon kote ki an sekirite jislè danje a pase. Se poutèt sa li enpòtan pou yon moun enskrianvan yon dezas rive. Si moun zòn nan ret tann dènye moman anpou yo rele, Sèvis kontwòl ijans nan Miami-Dade ap fè tout efò pouede yo, men se moun ki te deja nan lis enskripsyon an k ap pasean premye.

• Pou moun zòn nan kab enskri nan pwogram EEAP a, yo dweranpli tout pati ki nan fòmilè demann nan, sa vle di reponn kesyonki an rapò ak eta sante yo ansanm ak ki kalte èd yo bezwen.

• Si moun ki fè demann nan bezwen swen medikal sofistike, l apoblije mande doktè prensipal li ranpli fòmilè a epi siyen li anvanpou l soumèt li bay Sèvis kontwòl ijans nan Miami-Dade.

• Ou gen mande yo voye lòt kopi fòmilè demann nan ba wou palapòs oswa ou ka telechaje yo nan sit entènèt Miami-DadeCounty a. Pou w kab jwenn fòmilè demann nan sou entènèt, alesou sit www.miamidade.gov/fire/evacuation-program.asp

• Pou w kab mande lòt fòmimlè demann swa ann angle, swa anpanyòl oubyen an kreyòl, oswa nan yon lòt fòma tankou an bray,ak gwo ekriti oubyen sou fòm fichye elektwonik, rele 3-1-1Miami-Dade County a, 305-468-5900 oubyen nimewo gratis li888-311-DADE (3233).

URS 8.5x11 CRE 4_12_Layout 1 May/7/2012 2:52 PM Page 4

Page 5: P a a a a - miamidade.gov Beach, Bal Harbour, Bay Harbor Islands, Indian Creek Village, Surfside, North Bay Village; Vil Miami (island); Island Estates Aventura epi zòn yo

STAMPHERE

PR

AN

SA

N W

, RA

LE L S

OT N

AN

MITA

N TI LIV

LA

PLW

AYE

L LA A

PO

UV

OY

E L PA

LAP

ÒS

PR

AN

SA

N W

, RA

LE L

SO

T N

AN

MIT

AN

TI L

IV L

A P

OU

VO

YE

L P

A L

AP

ÒS

Miami-Dade Emergency ManagementEmergency Evacuation Assistance Program9300 NW 41 StreetMiami, Florida 33178-2414

KOLE REBÒ SA A NÈT AK TEP POU YO KAB LIVRE L POU WOU

KOLE REBÒ SA A NÈT AK TEP POU YO KAB LIVRE L POU WOU

RETURN ADDRESS

URS 8.5x11 CRE 4_12_Layout 1 May/7/2012 2:52 PM Page 5

Page 6: P a a a a - miamidade.gov Beach, Bal Harbour, Bay Harbor Islands, Indian Creek Village, Surfside, North Bay Village; Vil Miami (island); Island Estates Aventura epi zòn yo

URS 8.5x11 CRE 4_12_Layout 1 May/7/2012 2:53 PM Page 6