office of€¦ · sit entènet nou a nan babystepssavingsplan.org. pou ki bagay nou ka itilize...

8
Sere lajan jodi a pou pitit ou pou demen! BabySteps Savings Plan OFFICE OF EMPOWERMENT ECONOMIC Office of the Treasurer and Receiver General of Massachusetts

Upload: others

Post on 12-Mar-2021

3 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: OFFICE OF€¦ · sit entènet nou a nan BabyStepsSavingsPlan.org. Pou ki bagay nou ka itilize lajan ki sere nan yon 529? Lajan ki sere nan yon plan 529 ka sèvi pou depans ki gen

Sere lajan jodi a pou pitit ou pou demen!

BabyStepsSavings Plan

OFFICE OF

EMPOWERMENTECONOMICOffice of the Treasurer and Receiver General of Massachusetts

Page 2: OFFICE OF€¦ · sit entènet nou a nan BabyStepsSavingsPlan.org. Pou ki bagay nou ka itilize lajan ki sere nan yon 529? Lajan ki sere nan yon plan 529 ka sèvi pou depans ki gen

Patwonize pa Trezorye Leta a Deborah B. Goldberg, tout timoun ki fèt oubyen adopte nan jou oubyen apre 1e janviye 2020 ki se yon rezidan Massachusetts ap elijib nan lespas youn lane depi nesans yo oubyen adopsyon yo pou yo resevwa yon depo sibvansyone de $50. Se pou fanmi yo tou senpleman ouvri yon kont Plan Envestisman pou Inivèsite U.Fund 529 pou yo resevwa sibvansyon pa yo.

Plan Epay BabySteps la se premye pwogram kont epay pou inivèsite pou tout leta Massachusetts la ki sibvansyone a, ki fèt pou li pèmèt fanmi yo planifye epi sere lajan pou edikasyon siperyè pitit yo.

BabyStepsSavings Plan

JAN1

Page 3: OFFICE OF€¦ · sit entènet nou a nan BabyStepsSavingsPlan.org. Pou ki bagay nou ka itilize lajan ki sere nan yon 529? Lajan ki sere nan yon plan 529 ka sèvi pou depans ki gen

Bi BabySteps yo• Ogmante pousantaj fanmi k ap sere lajan pou edikasyon

siperyè nan Massachusetts

• Delivre pwogramasyon edikasyon finansye de wo kalite pou fanmi yo, bati yon kilti ki santre sou sere lajan pou fiti a ak anplwaye jesyon bidjè ki pridan

• Ogmante to anwòlman ak gradyasyon pos-segondè pou elèv nan Massachusetts pa ankouraje aspirasyon pou edikasyon siperyè pou timoun ki vilnerab e ki gen yon dezavantaj ekonomik

Pouki BabySteps?Kont Epay pou Inivèsite se plis pase sèlman sere lajan pou fiti pitit ou. Yo se yon bon metòd pou fanmi w jwenn konpetans finansye ak planifikasyon. Timoun ki gen lajan sere pou inivèsite gen 31% chans plis pou yo ale inivèsite pase timoun ki pa gen lajan sere pou inivèsite yo.*

*William Elliot III ak Sandra Beverly, “The Role of Savings and Wealth in Reducing ‘Wilt’ Between Expectations and College Attendance,” George Warren Brown School of Social Work Center for Social Development (Janviye 2010): 1-2.

3 xPLIS CHANS POU YO ALE

INIVÈSITE

4 xPLIS CHANS

POU YO GRADYE

31% TIMOUN KI GEN LAJAN SERE POU

INIVÈSITE GEN PLIS CHANS POU YO ATANN POU YO ALE INIVÈSITE

Page 4: OFFICE OF€¦ · sit entènet nou a nan BabyStepsSavingsPlan.org. Pou ki bagay nou ka itilize lajan ki sere nan yon 529? Lajan ki sere nan yon plan 529 ka sèvi pou depans ki gen

Fanmi ki te adopte timoun de kèlkeswa laj nan jou oubyen apre 1e janviye 2020 elijib pou yo resevwa yon $50 gratis anvè fiti pitit yo a tou. Tou senpleman ale nan BabyStepsSavingsPlan.org pou enskri sou an liy epi wa resevwa enfòmasyon sou pwochen pa yo.

Men Kijan BabySteps Mache:Enskri pou yon kont Plan Envestisman pou Inivèsite U.Fund 529 epi resevwa depo $50 gratis ou a. An plis de sa, ou kapab itilize zouti edikasyon finansye dijital nou ki gratis, ki fèt pou yo sipòte fanmi yo nan chemen yo sou sere lajan pou inivèsite.

ZOUTI EDIKASYON

FINANSYE DIJITAL

GRATIS KI DISPONIB

POU FANMI YO

Page 5: OFFICE OF€¦ · sit entènet nou a nan BabyStepsSavingsPlan.org. Pou ki bagay nou ka itilize lajan ki sere nan yon 529? Lajan ki sere nan yon plan 529 ka sèvi pou depans ki gen

Jis Koche Kare a!Pandan w ap ranpli Paj Travay Paran pou yon akt nesans nan lopital la, ou ka koche yon kare sou fòmilè a pou w fè nou konnen ou enterese pou w resevwa depo $50 gratis ou a.

Ou pa te koche kare a? Tou senpleman ale nan BabyStepsSavingsPlan.org pou nou dirije w pou w ouvri yon kont Plan Envestisman pou Inivèsite U.Fund 529.

BabyStepsSavingsPlan.org

Granparan ak lòt manm fanmi kapab ouvri yon kont U.Fund

pou timoun nan Massachusetts ki kalifye yo tou.

Page 6: OFFICE OF€¦ · sit entènet nou a nan BabyStepsSavingsPlan.org. Pou ki bagay nou ka itilize lajan ki sere nan yon 529? Lajan ki sere nan yon plan 529 ka sèvi pou depans ki gen

Kesyon Moun Poze SouvanSe kisa yon kont epay pou inivèsite 529?Yon kont epay pou inivèsite 529 se yon plan ki avantaj nan taks ki otorize pa Seksyon 529 nan Kòd sou Revni Entènèl la e ki fèt pou li ankouraje moun sere lajan pou edikasyon siperyè. Plan 529 pou Mas-sachusetts la se U.Fund la, ke MEFA ofri epi se Fidelity Investments ki jere li. Ou ka dedwi kontribisyon nan plan 529 nan Massachusetts jiska $1,000 pa ane pou yon endividi, ak jis $2,000 pa ane pou yon koup ki marye ki fè taks yo ansanm lè w ap kalkile revni ou oblije peye taks sou li pou Massachusetts.

Eske pwogram BabySteps la pral afekte benefis piblik mwen yo?Majorite nan pwogram benefis piblik yo pa afekte pa lajan ki sere nan yon kont 529 jis yon sèten limit. Pou plis enfòmasyon tanpri ale nan sit entènet nou a nan BabyStepsSavingsPlan.org.

Pou ki bagay nou ka itilize lajan ki sere nan yon 529?Lajan ki sere nan yon plan 529 ka sèvi pou depans ki gen rapò ak edikasyon siperyè ak fòmasyon pwofesyonèl.

Page 7: OFFICE OF€¦ · sit entènet nou a nan BabyStepsSavingsPlan.org. Pou ki bagay nou ka itilize lajan ki sere nan yon 529? Lajan ki sere nan yon plan 529 ka sèvi pou depans ki gen

Komanse Jodi a

POU Moun ki Kenbe Kont la

Non

Nimewo Sekirite Sosyal oubyen Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN).

Dat Nesans

Adrès Legal

Nimewo Telefòn

Adrès Imèl

Enfòmasyon Anplwaman (si ou gen travay)

POU

Benefisyè a Timoun

Timoun

Paran oubyen lòt granmoun

Non

Nimewo Sekirite Sosyal

Dat Nesans

Adrès Legal

OU PRAL BEZWEN:

Page 8: OFFICE OF€¦ · sit entènet nou a nan BabyStepsSavingsPlan.org. Pou ki bagay nou ka itilize lajan ki sere nan yon 529? Lajan ki sere nan yon plan 529 ka sèvi pou depans ki gen

Kontakte Nou!Nou konprann ke sere lajan pou fiti pitit ou

pòte anpil kesyon. Nou la pou n ede w. Ou kapab kontakte nou nan [email protected] oubyen vizite sit entènet nou nan BabyStepsSavingsPlan.org.

BabyStepsSavings Plan

12/2019 EE6616