nouvo kesyon sou preferans seksyèl epi sou idantite seksyèl · preferans seksyèl epi sou...

2
NATIONAL LGBT HEALTH EDUCATION CENTER A PROGRAM OF THE FENWAY INSTITUTE Nouvo kesyon sou preferans seksyèl epi sou idantite seksyèl : Enfòmasyon pou pasyan Tou dènyèman la, nou ajoute, nan fòmilè enskripsyon nou yo, nouvo kesyon sou oryantasyon seksyèl epi sou idantite jann. Dispansè nou an panse li enpòtan pou n konn enfòmasyon sa yo sou pasyan nou yo. Gen andedan kesyon moun poze souvan sou pouki nou poze kesyon sa yo ak kijan enfòmasyon yo ap itiize. Nou di ou mèsi paske ou pran tan pou w ranpli kesyonè sa a. Si ou gen lòt kesyon ou ta renmen poze, pale tanpri avèk pwofesyonèl swen sante ou. Pwojè sa a te gen sipò Administrasyon resous ak sèvis sante (Health Resources and Services Administration ; HRSA) Depatman ameriken pou sante ak sèvis sosyal (Health and Human Services ; HHS) ki gen yon nimewo akò pou koperasyon U30CS22742, Akò pou koperasyon nasyonal nan afè fòmasyon ak asistans teknik pou $449 985,00 avèk 0% nan total pwojè ki finanse avèk sous ki pa federal. Enfòmasyon oswa kontni ak konklizyon yo se refleksyon otè epi ou pa ta dwe entèprete yo kòm pozisyon oswa politik ofisyèl HRSA, HHS, ni ou pa ta dwe kwè HRSA HHS sipòte yo. NLHEC-3 (HC)

Upload: others

Post on 22-Oct-2020

10 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

  • NATIONAL LGBT HEALTH EDUCATION CENTER

    A P R O G R A M O F T H E F E N W A Y I N S T I T U T E

    Nouvo kesyon sou preferans seksyèl epi sou idantite seksyèl : Enfòmasyon pou pasyan

    Tou dènyèman la, nou ajoute, nan fòmilè enskripsyon nou yo, nouvo kesyon sou oryantasyon seksyèl epi sou idantite jann.

    Dispansè nou an panse li enpòtan pou n

    konn enfòmasyon sa yo sou pasyan nou yo.

    Gen andedan kesyon moun poze souvan

    sou pouki nou poze kesyon sa yo ak kijan

    enfòmasyon yo ap itiize.

    Nou di ou mèsi paske ou pran tan pou w ranpli kesyonè sa a. Si ou gen lòt kesyon ou ta

    renmen poze, pale tanpri avèk

    pwofesyonèl swen sante ou.

    Pwojè sa a te gen sipò Administrasyon resous ak sèvis sante (Health Resources and Services Administration ; HRSA) Depatman ameriken pou sante ak sèvis sosyal (Health and Human Services ; HHS) ki gen yon nimewo akò pou koperasyon U30CS22742, Akò pou koperasyon nasyonal nan afè fòmasyon ak asistans teknik pou $449 985,00 avèk 0% nan total pwojè ki finanse avèk sous ki pa federal. Enfòmasyon oswa kontni ak konklizyon yo se refleksyon otè epi ou pa ta dwe entèprete yo kòm pozisyon oswa politik ofisyèl HRSA, HHS, ni ou pa ta dwe kwè HRSA HHS sipòte yo.

    NLHEC-3 (HC)

  • KESYON : POUKI Y AP POZE M KESYON SOU PREFERANS SEKSYÈL MWEN AK IDANTITE JANN MWEN TOU ?Chak pasyan gen bezwen medikal ki inik.

    Rechèch di moun ki madivinèz, masisi,

    enfibi, epi transjann (lesbian, gay, bisexual,

    transgender ; LGBT) gen bezwen medikal

    ki pa menm avèk tout rès popilasyon an.

    Epitou yo gen pi plis chans pou yo gen kèk

    pwoblèm medikal konpare ak lòt moun.

    Lè n gen plis konesans sou oryantasyon

    seksyèl ak idantite jann yo, n ap plis an mezi

    pou n founi sèvis medikal ki apwopriye e

    swen k ap adapte dapre diferans kiltirèl

    pasyan LGBT yo ak tout pasyan nou yo.

    KESYON : KISA IDANTITE SEKSYÈL VLE DI ?Idantite seksyèl se yon santiman enteryè yon moun genyen sou sèks li. Pa egzanp :

    yon moun ka panse li se yon gason, yon

    fanm, yon konbinezon gason ak fanm,

    oubyen yon lòt sèks.

    KESYON : KISA TRANSJAN VLE DI ?Transjann se moun ki gen yon idantite jann ki

    pa menm ak sèks yo te genyen lè yo fèt.

    • Gason transjan (Transgender man, FTM) dekri yon moun ki te yon ti fi lè li te fèt men

    ki gen yon idantite seksyèl gason.

    • Fanm Transjan (Transgender woman, MTF) dekri yon moun ki fèt kòm yon ti gason men

    ki gen yon idantite seksyèl fanm.

    • Genderqueer dekri yon moun ki gen yon idantite seksyèl ki pa ni gason ni fanm oswa

    ki se yon konbinezon gason ak fanm.

    KESYON : KI PREFERANS SEKSYÈL OU A ?Preferans seksyèl se fason yon moun dekri atirans emosyèl ak seksyèl li pou lòt moun.

    • Etewoseksyèl (straight) dekri fanm ki gen atirans emosyonèl ak seksyèl pou gason,

    ak gason ki gen atirans emosyonèl ak

    seksyèl pou fanm.

    • Omoseksyèl dekri yon moun ki gen yon atirans emosyonèl epi seksyèl pou moun ki

    gen menm sèks ak yo. Tèm sa a itilize pi plis

    lè n ap pale osijè gason.

    • Lesbyèn dekri yon fanm ki gen yon atirans emosyonèl ak seksyèl pou lòt fanm.

    • Enfibi dekri yon moun ki gen yon atirans emosyonèl ak seksyèl pou moun ki gen

    menm sèks ak yo epi moun ki gen lòt sèks.

    KESYON : KIJAN POU MWEN CHWAZI ENFÒMASYON KI KORÈK ?Pa gen ni bon ni move repons. Si w pa jwenn

    yon repons ki byen koresponn, ou ka chwazi

    "Lòt", oubyen ou ka pale avèk founisè a.

    KESYON : KILÈS KI PRAL WÈ ENFÒMASYON SA YO ?Se founisè ou ki pral wè enfòmasyon sa yo,

    e enfòmasyon yo ap nan dosye medikal ou

    yo. Anplis, detwa lòt anplwaye ap kapab

    wè enfòmasyon sa yo. Enfòmasyon ou yo

    konfidansyèl epi ap anba pwoteksyon

    lalwa, menm jan ak tout lòt enfòmasyon

    medikal ou yo.

    KESYON : E SI M PA VLE PATAJE ENFÒMASYON SA YO ?Ou gen chwa pou w tcheke kare a ki di

    "Chwazi pou pa pataje". Pi ta, founisè a

    gendwa poze w kesyon sa yo an prive

    pandan vizit ou a. Ou gendwa chwazi si

    wi ou non ou vle pataje enfòmasyon sa yo

    lè sa a, epi / oubyen ou ka poze founisè

    a pi plis kesyon.

    KESYON : KIJAN ENFÒMASYON SA YO AP ITILIZE ?Founisè ou a / yo pral sèvi avèk enfòmasyon

    yo pou ka satisfè tout bezwen swenyaj ou yo.

    Lèfini, lè enfòmasyon sa yo kolekte nan men

    tout pasyan yo, y ap pèmèt dispansè a wè si

    gen mank nan swen oubyen sèvis ki ofri bay

    diferan moun. Aprann sa ap ede n konnen

    si se pou n amelyore swen nou ofri pasyan

    nou yo.