nouvo kesyon sou preferans seksyèl epi sou idantite seksyèl · 2019-12-05 · preferans seksyèl...

2
NATIONAL LGBT HEALTH EDUCATION CENTER A PROGRAM OF THE FENWAY INSTITUTE Nouvo kesyon sou preferans seksyèl epi sou idantite seksyèl : Enfòmasyon pou pasyan Tou dènyèman la, nou ajoute, nan fòmilè enskripsyon nou yo, nouvo kesyon sou oryantasyon seksyèl epi sou idantite jann. Dispansè nou an panse li enpòtan pou n konn enfòmasyon sa yo sou pasyan nou yo. Gen andedan kesyon moun poze souvan sou pouki nou poze kesyon sa yo ak kijan enfòmasyon yo ap itiize. Nou di ou mèsi paske ou pran tan pou w ranpli kesyonè sa a. Si ou gen lòt kesyon ou ta renmen poze, pale tanpri avèk pwofesyonèl swen sante ou. Pwojè sa a te gen sipò Administrasyon resous ak sèvis sante (Health Resources and Services Administration ; HRSA) Depatman ameriken pou sante ak sèvis sosyal (Health and Human Services ; HHS) ki gen yon nimewo akò pou koperasyon U30CS22742, Akò pou koperasyon nasyonal nan afè fòmasyon ak asistans teknik pou $449 985,00 avèk 0% nan total pwojè ki finanse avèk sous ki pa federal. Enfòmasyon oswa kontni ak konklizyon yo se refleksyon otè epi ou pa ta dwe entèprete yo kòm pozisyon oswa politik ofisyèl HRSA, HHS, ni ou pa ta dwe kwè HRSA HHS sipòte yo. NLHEC-3 (HC)

Upload: others

Post on 25-Feb-2020

27 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

NATIONAL LGBT HEALTH EDUCATION CENTER

A P R O G R A M O F T H E F E N W A Y I N S T I T U T E

Nouvo kesyon sou preferans seksyèl epi sou idantite seksyèl : Enfòmasyon pou pasyan

Tou dènyèman la, nou ajoute, nan fòmilè enskripsyon nou yo, nouvo kesyon sou oryantasyon seksyèl epi sou idantite jann.

Dispansè nou an panse li enpòtan pou n

konn enfòmasyon sa yo sou pasyan nou yo.

Gen andedan kesyon moun poze souvan

sou pouki nou poze kesyon sa yo ak kijan

enfòmasyon yo ap itiize.

Nou di ou mèsi paske ou pran tan pou w ranpli kesyonè sa a. Si ou gen lòt kesyon ou ta

renmen poze, pale tanpri avèk

pwofesyonèl swen sante ou.

Pwojè sa a te gen sipò Administrasyon resous ak sèvis sante (Health Resources and Services Administration ; HRSA) Depatman ameriken pou sante ak sèvis sosyal (Health and Human Services ; HHS) ki gen yon nimewo akò pou koperasyon U30CS22742, Akò pou koperasyon nasyonal nan afè fòmasyon ak asistans teknik pou $449 985,00 avèk 0% nan total pwojè ki finanse avèk sous ki pa federal. Enfòmasyon oswa kontni ak konklizyon yo se refleksyon otè epi ou pa ta dwe entèprete yo kòm pozisyon oswa politik ofisyèl HRSA, HHS, ni ou pa ta dwe kwè HRSA HHS sipòte yo.

NLHEC-3 (HC)

KESYON : POUKI Y AP POZE M KESYON SOU PREFERANS SEKSYÈL MWEN AK IDANTITE JANN MWEN TOU ?Chak pasyan gen bezwen medikal ki inik.

Rechèch di moun ki madivinèz, masisi,

enfibi, epi transjann (lesbian, gay, bisexual,

transgender ; LGBT) gen bezwen medikal

ki pa menm avèk tout rès popilasyon an.

Epitou yo gen pi plis chans pou yo gen kèk

pwoblèm medikal konpare ak lòt moun.

Lè n gen plis konesans sou oryantasyon

seksyèl ak idantite jann yo, n ap plis an mezi

pou n founi sèvis medikal ki apwopriye e

swen k ap adapte dapre diferans kiltirèl

pasyan LGBT yo ak tout pasyan nou yo.

KESYON : KISA IDANTITE SEKSYÈL VLE DI ?Idantite seksyèl se yon santiman enteryè

yon moun genyen sou sèks li. Pa egzanp :

yon moun ka panse li se yon gason, yon

fanm, yon konbinezon gason ak fanm,

oubyen yon lòt sèks.

KESYON : KISA TRANSJAN VLE DI ?Transjann se moun ki gen yon idantite jann ki

pa menm ak sèks yo te genyen lè yo fèt.

• Gason transjan (Transgender man, FTM) dekri yon moun ki te yon ti fi lè li te fèt men

ki gen yon idantite seksyèl gason.

• Fanm Transjan (Transgender woman, MTF) dekri yon moun ki fèt kòm yon ti gason men

ki gen yon idantite seksyèl fanm.

• Genderqueer dekri yon moun ki gen yon

idantite seksyèl ki pa ni gason ni fanm oswa

ki se yon konbinezon gason ak fanm.

KESYON : KI PREFERANS SEKSYÈL OU A ?Preferans seksyèl se fason yon moun dekri

atirans emosyèl ak seksyèl li pou lòt moun.

• Etewoseksyèl (straight) dekri fanm ki gen

atirans emosyonèl ak seksyèl pou gason,

ak gason ki gen atirans emosyonèl ak

seksyèl pou fanm.

• Omoseksyèl dekri yon moun ki gen yon

atirans emosyonèl epi seksyèl pou moun ki

gen menm sèks ak yo. Tèm sa a itilize pi plis

lè n ap pale osijè gason.

• Lesbyèn dekri yon fanm ki gen yon atirans

emosyonèl ak seksyèl pou lòt fanm.

• Enfibi dekri yon moun ki gen yon atirans

emosyonèl ak seksyèl pou moun ki gen

menm sèks ak yo epi moun ki gen lòt sèks.

KESYON : KIJAN POU MWEN CHWAZI ENFÒMASYON KI KORÈK ?Pa gen ni bon ni move repons. Si w pa jwenn

yon repons ki byen koresponn, ou ka chwazi

"Lòt", oubyen ou ka pale avèk founisè a.

KESYON : KILÈS KI PRAL WÈ ENFÒMASYON SA YO ?Se founisè ou ki pral wè enfòmasyon sa yo,

e enfòmasyon yo ap nan dosye medikal ou

yo. Anplis, detwa lòt anplwaye ap kapab

wè enfòmasyon sa yo. Enfòmasyon ou yo

konfidansyèl epi ap anba pwoteksyon

lalwa, menm jan ak tout lòt enfòmasyon

medikal ou yo.

KESYON : E SI M PA VLE PATAJE ENFÒMASYON SA YO ?Ou gen chwa pou w tcheke kare a ki di

"Chwazi pou pa pataje". Pi ta, founisè a

gendwa poze w kesyon sa yo an prive

pandan vizit ou a. Ou gendwa chwazi si

wi ou non ou vle pataje enfòmasyon sa yo

lè sa a, epi / oubyen ou ka poze founisè

a pi plis kesyon.

KESYON : KIJAN ENFÒMASYON SA YO AP ITILIZE ?Founisè ou a / yo pral sèvi avèk enfòmasyon

yo pou ka satisfè tout bezwen swenyaj ou yo.

Lèfini, lè enfòmasyon sa yo kolekte nan men

tout pasyan yo, y ap pèmèt dispansè a wè si

gen mank nan swen oubyen sèvis ki ofri bay

diferan moun. Aprann sa ap ede n konnen

si se pou n amelyore swen nou ofri pasyan

nou yo.