mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ...

30
MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. EPI MÈSI TOUT MOUN KI VINI NAN DISKOU SOU ETA KONTE 2018 LA. ÈSKE SE PA YON ENTÈPRETASYON EKSTRAWÒDINÈ IM NASYONAL LA WESLEY WRAY FÈ POU NOU LA A? OU KWÈ LI GEN 13 AN SÈLMAN! MÈSI, POU PATISIPASYON OU, EPI MÈSI BAY GUITARS OVER GUNS! L AP DIFISIL POU FÈ MENM JAN AVÈK YO! MWEN TA RENMEN REMÈSYE TOU PÈSONÈL ODITORYÒM KONTE MIAMI-DADE LA DÈSKE YO AKEYI NOU ANKÒ. EPI, BYENNANTANDI, MWEN TA RENMEN REMÈSYE TOUT ANPLWAYE KONTE MIAMIDADE YO KI TE TRAVAY SOU EVÈNMAN SA A ANKÒ ANE SA A. MÈSI. EPI MÈSI BAY DIREKTÈ KOMINIKASYON AK KONSEYE PRENSIPAL MWEN AN, MICHAEL HERNANDEZ, K AP JWE WÒL MÈT SEREMONI MATEN AN TOU. MWEN TA RENMEN PRAN MOMAN SA A POU REKONÈT KONSÈY KOMISÈ KONTE NOU AN. PREZIDAN BOVO, VIS-PREZIDANT EDMONSON, AK KOMISÈ YO: MÈSI POU SÈVIS AK ANGAJMAN NOU NAN KONTE MIAMI-DADE. N AP FÈ YON BÈL TRAVAY POU REZIDAN NOU YO. MWEN REMÈSYE NOU POU SA N AP FÈ A. MWEN WÈ ANPIL FONKSYONÈ ELI NAN ODYANS LA TOU, TANKOU PAREGZANP MAJISTRA KI FÈK ELI NAN VIL MIAMI AN FRANCIS SUAREZ. MÈSI POU PREZANS OU. NOU GEN DE SUAREZ, YOUN SE MAJISTRA MIAMI AN EPI LÒT LA SE KOMISÈ KONTE XAVIER SUAREZ, NAN YON ETA KONTE.

Upload: others

Post on 10-Oct-2020

4 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. EPI MÈSI TOUT MOUN KI VINI NAN DISKOU SOU ETA KONTE 2018 LA. ÈSKE SE PA YON ENTÈPRETASYON EKSTRAWÒDINÈ IM NASYONAL LA WESLEY WRAY FÈ POU NOU LA A? OU KWÈ LI GEN 13 AN SÈLMAN! MÈSI, POU PATISIPASYON OU, EPI MÈSI BAY GUITARS OVER GUNS! L AP DIFISIL POU FÈ MENM JAN AVÈK YO! MWEN TA RENMEN REMÈSYE TOU PÈSONÈL ODITORYÒM KONTE MIAMI-DADE LA DÈSKE YO AKEYI NOU ANKÒ. EPI, BYENNANTANDI, MWEN TA RENMEN REMÈSYE TOUT ANPLWAYE KONTE MIAMIDADE YO KI TE TRAVAY SOU EVÈNMAN SA A ANKÒ ANE SA A. MÈSI. EPI MÈSI BAY DIREKTÈ KOMINIKASYON AK KONSEYE PRENSIPAL MWEN AN, MICHAEL HERNANDEZ, K AP JWE WÒL MÈT SEREMONI MATEN AN TOU. MWEN TA RENMEN PRAN MOMAN SA A POU REKONÈT KONSÈY KOMISÈ KONTE NOU AN. PREZIDAN BOVO, VIS-PREZIDANT EDMONSON, AK KOMISÈ YO: MÈSI POU SÈVIS AK ANGAJMAN NOU NAN KONTE MIAMI-DADE. N AP FÈ YON BÈL TRAVAY POU REZIDAN NOU YO. MWEN REMÈSYE NOU POU SA N AP FÈ A. MWEN WÈ ANPIL FONKSYONÈ ELI NAN ODYANS LA TOU, TANKOU PAREGZANP MAJISTRA KI FÈK ELI NAN VIL MIAMI AN FRANCIS SUAREZ. MÈSI POU PREZANS OU. NOU GEN DE SUAREZ, YOUN SE MAJISTRA MIAMI AN EPI LÒT LA SE KOMISÈ KONTE XAVIER SUAREZ, NAN YON ETA KONTE.

Page 2: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

EPI MWEN SWETE LA BYENVENI A TOUT MAJISTRA, KOMISÈ, MANM KONSÈY, ADMINISTRATÈ, AK FONKSYONÈ KI AVÈK NOU MATEN AN. FINALMAN, MWEN REMÈSYE BÈL MADANM KI MARYE AVÈK MWEN AN DEPI 42 ZAN, LOURDES. MÈSI POU SOUTYEN OU BAN MWEN AN. OU SE FONDASYON MWEN AK PI GWO LANMOU NAN VI MWEN. TWA PITIT MWEN YO AK SIS PITIT-PITIT EKSEPSYONÈL MWEN YO – GEN 5 NAN YO ISIT LA JODI A KI TE DIRIJE NOU NAN SÈMAN ALEJANS LA – MWEN RENMEN NOU TOUT. SÈ MWEN AN MITZY, BÈLSÈ MWEN AN, MARI TERE ROJAS, KI SE YON MANM KONSÈY ESKOLÈ A TOU – EPI PREZIDAN KONSÈY ESKOLÈ A, PERLA TABARES HANTMAN, AVÈK NOU TOU – EPI TOUT NYÈS AK NEVE MWEN YO, KOUZEN MWEN YO… TOUT FANMI MWEN KI PREZAN. SAN NOU, MWEN PA T AP ISIT LA JODI A. MÈSI. JODI A, MWEN KONTAN RAPÒTE TO CHOMAJ NOU AN BESE A 4.5% SÒTI NAN 5.5% AN DESANM 2016. TO KRIMINALITE NOU YO BA. N AP ATIRE NOUVO BIZNIS… EPI N AP ENVESTI NAN ENFRASTRIKTI NOU AN. MENM SI NOU GEN DIFIKILTE POU SIMONTE, MWEN KONFYAN NOU PRAL KONTINYE BATI POU LAVNI. AN REZIME, MOUN MIAMI PARÈY MWEN YO, KONTE MIAMI-DADE NAN YON ETA SOLID. SA SE PRAL SETYÈM DISKOU MWEN SOU ETA KONTE A. EPI CHAK NAN YO SE YON OPÒTINITE POU MWEN

Page 3: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

REFLECHI SOU PRIVILÈJ MWEN GENYEN POU MWEN SÈVI NOU KÒM MAJISTRA. BI MWEN SE TOUJOU BATI YON PI BON MIAMI-DADE POU JENERASYON MOUN MIAMI K AP VINI YO. EPI MWEN KWÈ MALGRE DIFIKILTE NOU YO, SE AGZAKTEMAN SA N AP FÈ. TRAVAY SA A GEN LADAN PREPARE POU TANPÈT TANKOU SIKLÒN IRMA. LÈ YO TE FÈK METE MWEN OKOURAN PAKOU IRMA, YO TE PREVWA POSIBILITE POU LI SE YON SIKLÒN KATEGORI 5 AVÈK VITÈS VAN POTANSYÈL 185 MIL PA È. LÈ MWEN TE FIN TANDE EKSPÈ SÈVIS METEYO NASYONAL LA, MWEN TE SÒTI YON LÒD KI TE EGZIJE POU APEPRÈ 660,000 NAN REZIDAN NOU YO EVAKYE. ANSANM AVÈK KOLABORATÈ NOU YO NAN MIAMI-DADE COUNTY PUBLIC SCHOOLS, LAKWA WOUJ AMERIKEN, GAD NASYONAL FLORIDA, AK ANPIL LÒT TOUJOU… NOU T AL OUVÈ 43 REFIJ, PAMI YO 4 REFIJ KI TE AKSEPTE ZANNIMO. APEPRÈ 31,000 MOUN TE CHÈCHE REFIJ EPI NOU TE SÈVI YON TOTAL 515,000 REPA. DEPATMAN AKSYON KOMINOTÈ AK SÈVIS SOSYAL NOU AN TE DISTRIBYE TOU 489,000 REPA BAY VYE GRANMOUN YO AK LÒT POPILASYON FRAJIL ANVAN AK APRE SIKLÒN IRMA. REMÈSIMAN ESPESYAL POU DEPATMAN LAPOLIS AK PONPYE MIAMI-DADE YO, EKIP JESYON IJANS NOU AN ANNANTYE, MIAMI-DADE PUBLIC SCHOOLS AK SIRENTANDAN ALBERTO CARVALHO, LAKWA WOUJ, GAD NASYONAL LA, TOUT FONKSYONÈ ELI NOU YO KI TE VIN JWENN NOU NAN SANT OPERASYON DIJANS LA. MWEN TA RENMEN REMÈSYE SENATÈ BILL NELSON AK MARCO RUBIO TOU, MANM KONGRÈ CARLOS CURBELO, AK GOUVÈNÈ RICK SCOTT

Page 4: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

POU ANKADREMAN YO PANDAN IRMA. MENM SI LI NAN TALLAHASSEE JODI A, MWEN TA RENMEN REKONÈT JOSE “PEPE” DIAZ. PANDAN TANPÈT LA, KOMISÈ DIAZ TE TÈLMAN AP TRAKASE POUTÈT ELEKTÈ VYE GRANMOUN KI RETE NAN ZÒN INONDASYON YO LI TE PÈSONÈLMAN AL FRAPE PÒT NAN DISTRIK LI A POU ANKOURAJE YO AL CHÈCHE REFIJ LÒT KOTE. SE TE YON AKSYON DEZENTERESE TOUTBON EPI MWEN VLE PÈSONÈLMAN REMÈSYE KOMISÈ DIAZ POU EFÒ LI YO. DEPATMAN JESYON DECHÈ SOLID NOU AN TE FÈ YON BÈL TRAVAY RALE DEBRI APRE IRMA. KÈK ÈDTAN SÈLMAN APRE PASAJ LI, EKIP DECHÈ SOLID YO AK FOUNISÈ SÈVIS YO TE DEYÒ NAN LARI AP RETIRE DEBRI SOU WOUT YO. MENM SI IRMA PA T YON TANPÈT KATEGORI 5, VAN LI YO TE JETE PLIZYÈ MILYE PYEBWA TOUPATOU NAN KONTE A EPI RETIRE YO TE YON BAGAY ESANSYÈL POU REKÒMANSE FONKSYONE KÒM DABITID. DEPATMAN DECHÈ SOLID LA TE RANMASE PRÈSKE 4 MILYON YAD KIB DEBRI NAN ZÒN SÈVIS 320 MIL KARE A AK SOU WOUT KONTE A OKIPE YO. M AP REPETE SA: PRÈSKE 4 MILYON YAD KIB DEBRI -- EPI TOUT SA PANDAN LI TE TOUJOU AP RANMASE FATRA AK RESIKLAJ NÒMALMAN SOU TWOTWA. NAN SOMÈ LI, SE TE PI GWO OPERASYON NETWAYAJ DEBRI NAN TOUT PEYI A. POU SA, MWEN VLE REMÈSYE MAJISTRA ADJWEN ALINA HUDAK, KI SE DIREKTÈ DECHÈ SOLID LA TOU, AK TOUT EKIP LI A POU YON DJÒB YO FÈ TRÈ BYEN.

Page 5: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

MWEN TA RENMEN REKONÈT TOU KÈK ANPLWAYE DECHÈ SOLID KI TE FÈ PLIS PASE DJÒB YO, ANVAN AK APRE SIKLÒN NAN. RONALD HOWARD TE MOUN POU KONTAKTE POU NENPÒT KI PWOBLÈM OPERASYONÈL. LI TE JWE YON WÒL ESANSYÈL TOU NAN ELABORASYON YON PLAN POU RETIRE PIL DEBRI YO. MESYE HOWARD AK ALFRED COLEMAN TE PREMYE MOUN KI TE RIVE EPI DÈNYE KI TE KITE PANDAN EFÒ SEKOU YO. EPI JISKAPREZAN, TOUDE MESYE YO TOUJOU AP TRAVAY PANDAN YON BANN ÈDTAN POU METE SOU PYE YON NOUVO PWOGRAM POU KONBAT JETE FATRA ILEGALMAN. AJAN RESPÈ LÒD NAN ZAFÈ FATRA A NANCY LORENZO TE OKIPE PLIZYÈ SANTÈN DEMANN RANSÈYMAN EPI LI TE SÈTÈNMAN POZE LESPRI ANPIL REZIDAN. EPI MADAN MARICELA REED TE TRAVAY AN KOLABORASYON SERE AVÈK FOUNISÈ SÈVIS YO POU GARANTI ZÒN DEZIYEN YO TE DEBARASE. JODI A NOU REMÈSYE EPI ONORE RONALD, ALFRED, NANCY, AK MARICELA POU SÈVIS YO. ÈSKE YO KAPAB KANPE SILVOUPLÈ POU NOU REKONÈT YO POU ANGAJMAN YO NAN KONTE MIAMI-DADE? MWEN REMÈSYE NOU TOUT! MWEN TA RENMEN REKONÈT TOU DIREKTÈ TRANSPÒ AK TRAVO PIBLIK NOU AN, ALICE BRAVO; DIREKTÈ PAK, REKREYASYON AK ESPAS OUVÈ A, MARIA NARDI; EPI DIREKTÈ ADJWEN TRAVO PIBLIK YO, MANNY GARCIA.

Page 6: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

DE DEPATMAN YO TE TRAVAY TOU SAN POZE POU DEBARASE WOUT YO APRE IRMA. EFÒ RANMASAJ DEBRI YO TE BAY KÒM REZILTA RETRÈ 275,000 YAD KIB DEBRI. MENM DEPATMAN LAPOLIS NOU AN TE DEBARASE WOUT EPI DETOUNEN SIKILASYON, ANPLIS EDE OUVÈ REFIJ. MÈSI NOU TOUT KI TE REPONN APÈL LA POU SÈVI APRE IRMA! PANDAN N AP PALE DE “APÈL,” SANT KONTAK 3-1-1 NOU AN TE GEN TOUT PÈSONÈL LI PREZAN PANDAN AKTIVASYON AN NAN SANT OPERASYON DIJANS NOU AN PANDAN 205 ÈDTAN, PAMI YO 132 ÈDTAN YOUN DÈYÈ LÒT. ESPESYALIS APÈL NOU YO TE REPONN PLIS PASE 110,000 APÈL EPI TE OUVÈ 10,000 DEMANN SÈVIS PANDAN AKTIVASYON SIKLÒN IRMA A. MWEN APRESYE DEVOUMAN TOUT EKIP 3-1-1 NOU AN KI SE SOUVAN PREMYE AK DÈNYE PWEN KONTAK POU REZIDAN YO AK GOUVÈNMAN YO AN, EPI MWEN REMÈSYE DIREKTÈ DEPATMAN YO AN, INSON KIM. YON GWO KONSEKANS SIKLÒN IRMA TE GEN SOU KOMINOTE NOU AN SE TE KOURAN – OSWA OKONTRÈ, PÈT KOURAN. PLIS PASE 1 MILYON NAN 1.11 MILYON KLIYAN FLORIDA POWER & LIGHT SÈVI YO NAN KONTE MIAMI-DADE TE NAN BLAKAWOUT. NAN SOMÈ LI, TE GEN 8,000 ANPLWAYE AK FOUNISÈ SÈVIS F.P.L. NAN KONTE A KI T AP TRAVAY POU REMETE KOURAN. AVÈK PÈSONÈL NAN KONPAYI AN AK ANDEYÒ ETA A KI T AP TRAVAY 24 SOU 24, F.P.L. TE KAPAB REMETE KOURAN KAY 75% KLIYAN YO DISI 4 JOU APRE IRMA.

Page 7: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

MÈSI, F.P.L. POU EFÒ INESTIMAB OU YO. MWEN TA RENMEN REMÈSYE AN PATIKILYE PREZIDAN-DIREKTÈ JENERAL LA ERIC SILAGY AK DIREKTÈ REJYONAL MIAMI AN IRENE WHITE POU TAN YO PASE AVÈK NOU AN NAN SANT OPERASYON DIJANS LA EPI DÈSKE YO KENBE NOU AJOU SOU RESTORASYON AN. EPI ALÒSKE BLAKAWOUT TE YON PWOBLÈM PWOVIZWA NAN KONTE A, DLO NOU AN TE RETE SAN DANJE. PANDAN PREMYE KONFERANS DE PRÈS YO NAN SANT OPERASYON DIJANS LA, MWEN TE REPETE DLO NOU AN NAN KONTE MIAMI-DADE TE SAN DANJE POU BWÈ. EPI SE AN PATI GRAS A TRAVAY DI ANPLWAYE DLO AK EGOU NOU YO. KOUNYE A, MWEN TA RENMEN REKONÈT MANADJÈ KOMINIKASYON DIJANS DLO POTAB AK EGOU A, MARCELO GARCIA; CHÈF DIVIZYON TRETMAN AK MENTNANS DLO IZE A, BOB FERGEN; CHÈF LIY KOLEKSYON AK TRANSMISYON DLO IZE A, JUAN BEDOYA; SIRENTANDAN ADJWEN DLO POTAB YO LAZARO CABRERA AK ADRIAN TRIANA; AK KOWÒDONATÈ SÈVIS POU ELEKTÈ A, ALICIA RIESGO. GRAS A TRAVAY DI LI, DLO POTAB AK EGOU TE KAPAB KONTINYE BAY SÈVIS DLO SAN RETE – SAN NESESITE POU LÒD BOUYI DLO PA PREKOSYON – EPI KONTINYE BAY MENM BON SÈVIS DLO IZE YO. MARCELO, BOB, JUAN, LAZARO, ADRIAN, AK ALICIA… TANPRI KANPE POU NOU REKONÈT NOU. YON LESON NOU APRANN ALASWIT SIKLÒN IRMA SE ENPÒTANS KENBE ESTRATEJI LOKAL PREVANSYON NOU AN (L.M.S.) AJOU. OBJEKTIF PRENSIPAL L.M.S. SE EVALYE FRAJILITE NOU DEVAN KATASTWÒF NATIRÈL AK LÒT DANJE. L.M.S. LA IDANTIFYE YON LIS KONPLÈ BI, OBJEKTIF, PLAN,

Page 8: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

PWOGRAM AK PWOJÈ POU DIMINYE OSWA ELIMINE EFÈ FRAJILITE SA YO EPI SATISFÈ ESTANDA F.E.M.A. YO POU NOU KAPAB RETE KALIFYE POU OPÒTINITE FINANSMAN FEDERAL AK ETA POU PREVANSYON NAN TAN KATASTWÒF AK TAN NÒMAL. NAN KAD PWOSESIS ELABORASYON BIDJÈ ANE FISKAL 2018-19 LA, N AP METE AKSAN SOU ALIYMAN BIDJÈ ENVESTISMAN AN AVÈK L.M.S. LA. N AP METE KOU PWOJÈ YO AJOU EPI DETÈMINE KI FINANSMAN KI DISPONIB. SE YON LÒT ESTRATEJI ANKÒ N AP ANPLWAYE POU GARANTI DISTRIBISYON RESOUS NOU YO KONSANTRE SOU AMELYORE REZISTANS NOU AK DIRABILITE NOU. EPI POU SA, MWEN TA RENMEN REMÈSYE MAJISTRA ADJWEN AN ED MARQUEZ AK DIREKTÈ BIDJÈ A JENNIFER MOON POU TRAVAY YO NAN JERE FINANS KONTE NOU AN. SAN EFÒ YO, SA PA T AP POSIB. EPI KONPLIMAN POU CARLOS MIGOYA AK JACKSON HEALTH SYSTEM POUTÈT LI BOUKLE SIZYÈM ANE KONSEKITIF REZILTA FINANSYE POZITIF LI, AVÈK YON REZILTA NÈT POZITIF APEPRÈ $15 MILYON ANVAN RANBOUSMAN OBLIGASYON YO. ALÒSKE KOMINOTE NOU AN PRAL KONTINYE FÈ FAS A MENAS MANMAN LANATI, NOU TE FÈ FAS A LÒT DIFIKILTE AN 2017 EPI NOU DWE TRAVAY POU OKIPE YO NAN LAVNI. TRANSPÒ SE YON ASPÈ ENPÒTAN NAN YON KOMINOTE METWOPOLITEN PWOSPÈ, SE POUTÈT SA NOU KONPRANN NOU KAPAB EPI NOU DWE FÈ PI BYEN.

Page 9: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

N AP KONTINYE EKSPLORE DÈNYE TEKNOLOJI YO KI KAPAB AMELYORE JAN NOU DEPLASE. JODI A, APEPRÈ 95% REZIDAN NOU YO DEPLASE NAN VEYIKIL PÈSONÈL. NAN YON AVNI PWÒCH, PIFÒ REZIDAN NOU YO PRAL KONTINYE SÈVI AVÈK MACHIN YO… DONK NOU DWE KONTINYE AMELYORE REZO WOUTYE NOU AN EPI SE POUTÈT SA LANE PASE NOU TE KÒMANSE ENSTALE LIMYÈ SIKILASYON ENTELIJAN SOU 10 NAN KORIDÒ PRENSIPAL KONTE A. LIMYÈ SA YO ADAPTE A KONDISYON YO AN TAN REYÈL POU AMELYORE SIKILASYON AN. YO PRAL KOMINIKE TOU AVÈK VEYIKIL TRANSPÒ PIBLIK NOU YO EPI BAY LIMYÈ TRANSPÒ PIBLIK YO PRIYORITE – SA KI VLE DI OTOBIS NOU YO PRAL PASE MWENS TAN RETE NAN LIMYÈ WOUJ. MWA PASE, NOU TE KÒMANSE TESTE PWOJÈ PRIYORITE LIMYÈ POU TRANSPÒ PIBLIK LA SOU SOUTH DADE TRANSITWAY EPI PASAJE METROBUS YO KI SOU PAKOU 34-A AK 34-B YO GEN TAN AP WÈ GWO REDIKSYON NAN TAN DEPLASMAN YO SÒTI HOMESTEAD RIVE DADELAND EPI RETOUNEN ANKÒ. SA SE PREMYE ETAP NAN YON CHIMEN BYEN LONG, MEN SE YON PWOGRESYON POZITIF. EPI JODI A SE YON OPÒTINITE POU METE BAGAY YO KLÈ SOU VIZYON MWEN POU TRANSPÒ NAN KONTE MIAMI-DADE. YO EKRI AK DI ANPIL BAGAY SOU EKSITASYON MWEN POU NOUVO OPÒTINITE POU DEPLASE REZIDAN NOU YO NAN MIAMI-DADE. YO DI M AP TANN TEKNOLOJI NAN MEN LAFANMI JETSON. MENM SI MWEN KWÈ FÈMEMAN KOMINOTE NOU AN DWE GADE NAN DIREKSYON LAVNI POU IDANTIFYE JAN POU

Page 10: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

AMELYORE TRANSPÒ AK FASILITE DEPLASMAN, MWEN TE PWOPOZE MEZI NOU TE KAPAB PRAN TOUSWIT. KISA NOU KAPAB FÈ KOUNYE A? NOU KAPAB IDANTIFYE TOUSWIT KILÈS NAN 6 KORIDÒ PLAN S.M.A.R.T. LA NOU TA RENMEN DEVLOPE AN PREMYE. T.P.O. NOU AN TE IDANTIFYE KORIDÒ NÒ AK SID YO KÒM PREMYE KI TA DWE DEVLOPE YO. KOMISÈ DENNIS MOSS AP ANKOURAJE DEPI LONTAN DEVLÒPMAN SOUTH DADE TRANSITWAY. EPI TRANSITWAY A P AP EGZIJE POU NOU ACHTE DWA PASAJ. EPI MWEN KONNEN SA PRAL GEN EFÈ TOU SOU DISTRIK KOMISÈ DANIELA LEVINE CAVA. KOMISÈ BARBARA JORDAN SOUTNI DEVLÒPMAN KORIDÒ NÒ A, EPI SA GEN MERIT TOU. NOU KAPAB ACHTE DWA PASAJ YO POU LÒT KORIDÒ ENTELIJAN YO EPI PREPARE YO POU DEVLÒPMAN NAN LAVNI. ZANMI MWEN YO, PA GEN BON OSWA MOVE KORIDÒ POU NOU KÒMANSE TRAVAY SOU LI. NOU SÈLMAN BEZWEN KÒMANSE TRAVAY! NOU KAPAB TRAVAY SOU KORIDÒ YO YON JAN KI KAPAB FINALMAN KONVÈTI POU ADAPTE A NENPÒT KI TEKNOLOJI NAN LAVNI -- TREN, VEYIKIL KI GEN KAWOUTCHOU, VEYIKIL OTONÒM, ELATRIYE. MWEN SOUTNI DEMANN PWOPOZISYON POU NOU KAPAB BATI ESTASYON SOU KORIDÒ YO KI PRAL AMELYORE EKSPERYANS PASAJE YO… ESTASYON K AP BON POU TRANSPÒ RAPID NAN OTOBIS OSWA CHEMENNFÈ. MEN SE P AP ESTASYON ANPLENNÈ SISTÈM METRORAIL NOU AN. M AP PALE DE ESTASYON

Page 11: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

AVÈK KLIMA KONTWOLE KI GEN KOMODITE MODÈN, TANKOU ANBAKMAN AN GWOUP, KI PRAL AMELYORE EKSPERYANS PASAJE A. NOU DEJA DAKÒ DÈSKE KORIDÒ NÒDÈS LA PRAL YON CHEMENNFÈ. KOLABORATÈ NOU AN NAN SEKTÈ PRIVE A, BRIGHTLINE, KÒMANSE SÈVI KONTE BROWARD AK PALM BEACH YO EPI TALÈ LI PRAL POTE SÈVIS LI NAN MIAMI-DADE. KONPAYI AN DAKÒ TOU POU LI KONEKTE TRI-RAIL AVÈK ANBALAVIL MIAMI, YON PWOJÈ KI FINANSE GRAS A TAKS SIPLEMANTÈ DEMI-SANTIM NOU AN. ANSANM AVÈK BRIGHTLINE, NOU DWE FÈ VIL YO KI SOU KORIDÒ NÒDÈS LA PATISIPE POU POTE CHEMENNFÈ FOBOU. SA PRAL EGZIJE KONSTRIKSYON GA TOU. NOU TOUT DAKÒ MOUN MIAMI-DADE YO BEZWEN OPSYON POUTÈT NIVO BLOKIS NOU YO. NOU DWE BAY MOUN YO SOULAJMAN KOUNYE A. NOU PA KAPAB TANN. FÒK MWEN KLÈ, NOU GEN SIS KORIDÒ AK YON KANTITE FINANSMAN KI PA ENFINI, NOU DWE METE SOU PYE OPSYON PRATIK KI KAPAB BENEFISYE TOUT KOTE NAN KONTE A PASE PA 6 KORIDÒ YO OLYE POU NOU KONSANTRE TOUT RESOUS NOU YO SOU YON SÈL KORIDÒ POU ALIMANTE DEVLÒPMAN. NOU DWE METE TOU NAN PLAN NOU AN ÒGANIS YO NAN KOMINOTE NOU AN NOU KAPAB TRAVAY AVÈK YO POU AMELYORE OPSYON TRANSPÒ AK FASILITE DEPLASMAN YO. YOUN NAN ÒGANIS SA YO SE MIAMI-DADE EXPRESSWAY AUTHORITY.

Page 12: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

VIS-PREZIDANT EDMONSON AVÈK MWEN NOU SE MANM KONSÈY NAN M.D.X. EPI NOU PA KA TANN SÈVIS TRANSPÒ PIBLIK RAPID PA OTOBIS LÈS-LWÈS LA SÒTI NAN NOUVO PAK ESTASYÒNMAN 836 DOLPHIN LA KI PRAL DISPONIB APATI ANE SA A. MWEN SE YON GRAN PATIZAN PWOLONGASYON 836 WEST LA TOU, NOU PRAL RELE LI KENDALL PARKWAY, K AP RIVE NAN FOBOU NOU YO AK NAN KATYE KENDALL YO. SA KAPAB FÈT GRAS A PWOTEKSYON KONT KONSTRIKSYON ANDEYÒ FWONTYÈ DEVLÒPMAN IBEN AN EPI AN MENM TAN POTE SOULAJMAN POU 600,000 REZIDAN YO KI NAN WEST KENDALL AK SOUTH DADE. MWEN REMÈSYE DIREKTÈ EGZEKITIF JAVIER RODRIGUEZ AK MANM KONSÈY PARÈY NOU YO KI METE TÈT ANSANM POU FÈ NOU VANSE. SA SE EGZAKTEMAN KOLABORASYON NOU TA DWE TRAVAY SOU LI A. NOU DEVLOPE KOLABORASYON INOVATÈ TOU AVÈK GWOUP NAN ENDISTRI A, TANKOU PAREGZANP YON KONPAYI KI TABLI NAN VEYIKIL OTONÒM AK MIKWOTRANSPÒ. NOU PRAL GEN YON ANONS ENTERESAN SOU SA NAN YON AVNI PWÒCH. DEPATMAN TRANSPÒ AK TRAVO PIBLIK NOU AN TE AKEYI NOUVO WAGON METRORAIL TOU AN 2017. AN VERITE, YON NOUVO TREN DE WAGON TE ANTRE AN SÈVIS MATEN AN. DISI MAS 2019, N AP GEN TOUT NOUVO WAGON CHEMENNFÈ KI NESESÈ YO POU SÈVIS PANDAN LÈ KI

Page 13: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

GEN PLIS SIKILASYON YO SOU RAY 25 MIL SISTÈM METRORAIL LA. LÈ NOU METE NOUVO TREN AN SÈVIS, NOU PRAL PWOGRESIVMAN OGMANTE KANTITE TREN KI DISPONIB YO POU SÈVIS CHAK MWA. FREKANS LA TA DWE AMELYORE DEPI BONÈ ANE SA A, EPI DISI ETE K AP VINI AN, PASAJE NOU YO TA DWE WÈ YON SÈVIS KI KONPLÈTMAN RETABLI. TRANSPÒ PIBLIK RETE YON KESYON ENPÒTAN POU KOMISÈ KONTE NOU YO TOU. MWEN KONNEN PREZIDAN ESTEBAN BOVO AVÈK MWEN GEN PÈSPEKTIV DIFERAN NAN SA KI GEN POU WÈ AVÈK TRANSPÒ PIBLIK, MEN NOU TOUDE DAKÒ SOU YON BAGAY: NOU DWE VANSE. AN NOU FÈ SA NOU KAPAB KOUNYE A NAN CHWA KORIDÒ YO, ACHA DWA PASAJ LA AK DEMANN PWOPOZISYON POU ESTASYON DÈNYE KRI SOU SOUTH DADE TRANSITWAY. TRAVAY DIFISIL SA A NESESÈ POU BATI YON KOMINOTE KI PI BYEN KONEKTE POU JENERASYON K AP VINI YO. PANDAN N AP KONTINYE BATI YON PI BON MIAMIDADE, NOU KONTINYE TRAVAY TOU POU GARANTI SEKIRITE TOUT MOUN MIAMI. CHAK JOU, SOU LIDÈCHIP DIREKTÈ JUAN PEREZ, POLISYE MIAMI-DADE NOU YO NAN LARI AP SÈVI REZIDAN NOU YO. NAN KÒMANSMAN MWA DESANM, PANDAN YON TAN REZIDAN NOU YO T AP FÈ ACHA POU FÈT YO, YOUN NAN NOU MANKE PÈDI LAVI LI PANDAN LI T AP TRAVAY ANDEYÒ LÈ SÈVIS LI NAN YON WALMART.

Page 14: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

POLISYE MANUEL GONZALEZ TE PWOCHE YON MESYE YO TE SISPÈK NAN VÒLÈ. MESYE A TE RALE YON ZAM EPI TIRE SIS FWA. POLISYE GONZALEZ TE SIBI SIS BLESI PA ZAM AFE ANVAN LI ARIVE JETE SISPÈ A ATÈ. SÈLMAN 8 SEMÈN APRE SA, POLISYE GONZALEZ AP REFÈ BYEN EPI LI ISIT LA AVÈK NOU JODI A. GEN POLISYE SAUL RODRIGUEZ KI PREZAN TOU KI NAN MWADME KI SOT PASE A TE SIMAN SOVE LAVI REZIDAN AK ANPLWAYE NAN BIBLIYOTÈK PRENSIPAL NOU AN ANBALAVIL MIAMI LÈ LI TE KONFWONTE EPI RETE YON TIRÈ ANNAKSYON. SA KI DWÒL LA, POLISYE RODRIGUEZ SE YON SIVIVAN PLEN KOURAJ TOU POUTÈT YO TE TIRE LI NAN VANT PLIZYÈ ANE ANVAN SA PANDAN LI T AP ARETE YON KRIMINÈL. EPI NAN MWADMAS KI SOT PASE A, PANDAN POLISYE TERRANCE WHITE AK CHARLES WOODS TE DE SÈVIS NAN KAD FÒS ENTÈVANSYON KONT ASASINA AK VYOLANS NAN LARI AN EPI YO T AP SIVEYE YON GARAJ POU PAKE BÒ CHARLES DREW MIDDLE SCHOOL, YO TE PRAN NAN ANBISKAD YON MOUN KI TE GEN NAN MEN LI YON FIZI DASO. POLISYE WOODS TE PRAN BAL NAN JANM ALÒSKE POLISYE WHITE TE RESEVWA YON BLESI PA BAL NAN BRA LI. YO TE TRETE YO TOUDE NAN RYDER TRAUMA CENTER EPI YO REFÈ. ÈSKE 4 POLISYE M.D.P.D. NOU YO -- GONZALEZ, RODRIGUEZ, WHITE, AK WOODS – KAPAB KANPE SILVOUPLÈ POU NOU REKONÈT YO? AN NOU BAT BRAVO POU POLISYE SA YO KI MERITE SA ANPIL.

Page 15: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

MESYE SA YO SE EGZANP TRAVAY DI M.D.P.D. AP FÈ CHAK JOU A. GEN ANPIL LÒT EGZANP KOTE LAPOLIS NOU AN SIBI ATAK NOU PA REMAKE POUTÈT POLISYE YO PA T BLESE. MALERÈZMAN, SAKRIFIS YO SE YON RAPÈL NOU DWE KONTINYE ANKADRE POLISYE NOU YO NAN BA YO SA YO BEZWEN POU KENBE NOU AN SEKIRITE. AN 2017, POLIS MIAMI-DADE LA TE AKEYI 144 NOUVO POLISYE EPI LI GEN BIDJÈ POU ANBOCHE 65 LÒT POLISYE AN 2018. N AP RANFÒSE KOLABORASYON NOU YO TOU POU PI BYEN PWOTEJE REZIDAN NOU YO. LANE PASE, SÈVIS JIRIDIK LA TE ADMINISTRE 132 NOUVO AKÒ POU METE SOU PYE KOLABORASYON AVÈK FÒS DE LÒD FEDERAL, ETA, LOKAL AK TRIBAL YO EPITOU KOLABORATÈ PRIVE POU FÈ SEKIRITE PIBLIK VANSE NAN KOMINOTE NOU AN. ANPLIS DE SA, INITE SIBVANSYON AN TE JWENN 25 AKÒ SIBVANSYON, PAMI YO $6.8 MILYON FINANSMAN NAN MEN SIBVANSYON TRÈ KONPETITIF COPS HIRING 2017 LA. SA PRAL FINANSE ANBOCHAJ 25 POLISYE ANPLIS KI ORYANTE SOU KOMINOTE A POU LITE KONT VYOLANS AME. KOLABORASYON NOU ANTRE LADAN YO AK SIBVANSYON DEPATMAN AN RESEVWA YO PRAL EDE EFÒ NOU YO POU REDUI VYOLANS AME NOU WÈ NAN PATI NAN KOMINOTE NOU AN. MENM SI TO KRIMINALITE NOU PA OGMANTE AN JENERAL, NOU KONPRANN EPI APRESYE VYOLANS AME KÈLKESWA KOTE A NAN KONTE MIAMI-DADE PA AKSEPTAB. OU TE MÈT SÈTEN M.D.P.D. AP FÈ TOUT SA LI KAPAB – SA GEN LADAN TRAVAY AVÈK BIWO PWOKIRÈ ETA NOU AN EPI KOLABORE AVÈK FÒS DE LÒD POU OKIPE PWOBLÈM ZAM AFE YO

Page 16: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

ANT JANVYE AK NOVANM, YO TE EMÈT 4,366 SITASYON SIVIL POU OSWA POSESYON MARIJÀN OSWA POSESYON EKIPMAN POU DWÒG NAN PLAS ARESTASYON. EPI SA ENPÒTAN POUTÈT APEPRÈ 60% TRANSGRESÈ YO TE KONTREVENAN POU PREMYE FWA, EPITOU SA TE REDUI KANTITE DOSYE KRIMINÈL KI T AL DEVAN LAJISTIS NAN KONTE A. SA SE SÈLMAN YON REZIME TRAVAY EKSELAN M.D.P.D. A TE FÈ AN 2017 EPI MWEN REMÈSYE KOMISÈ NOU YO POU SOUTYEN YO BAY DEPATMAN AN AK DEMANN FINANSMAN LI YO. KÒM YON ANSYEN POLISYE KONTE MIAMI-DADE, MWEN SÈTEN KOMISÈ JOE MARTINEZ AP DAKÒ AVÈK MWEN DÈSKE M.D.P.D. AP FÈ YON TRAVAY EKSELAN KI SOVE VI. NOU TOUT REMÈSYE DIREKTÈ JUAN PEREZ AK DIREKTÈ ADJWEN FREDDY RAMIREZ, STEPHANIE DANIELS, AK THOMAS HANOLN AK PÈSONÈL KÒMANNMAN YO AN POU PWOTEKSYON YO POTE NAN KONTE MIAMIDADE. KÒM YON ANSYEN KAPITÈN PONPYE MWEN MENM, MWEN FYÈ ANPIL TRAVAY KAPITÈN DAVE DOWNEY AK EKIP DIREKSYON LI AN AP FÈ A. NON SÈLMAN YO TOUJOU REPONN APÈL TRAVAY LA NAN MIAMI-DADE, MEN YO REPONN MOUN KI BEZWEN ASISTANS LÒT KOTE TOU. KÒM MWEN TE MANSYONE SA PI BONÈ A, KONTE NOU AN PA T PRAN KOU DIRÈK NAN MEN IRMA, SEPANDAN, TE GEN LÒT KOMINOTE KI PA T GEN MENM CHANS LA PANDAN SEZON PLEN SIKLÒN LANE PASE A. FÒS ENTÈVANSYON FLORIDA NOU AN TE DEPLWAYE POU POTE ASISTANS NAN EFÒ RECHÈCH AK SOVTAJ YO NAN HOUSTON ALASWIT DEVASTASYON SIKLÒN HARVEY.

Page 17: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

PANDAN LI TE NAN TEXAS, EKIP NOU AN TE ARIVE EDE YON KANTITE REZIDAN DLO INONDASYON YO TE BLOKE EPI LI TE MENM EDE YON FI KI TE GEN TRANCHE… KÈK JOU SÈLMAN APRE YO TE RETOUNEN SÒTI NAN TEXAS EKIP NOU AN TE ANTRE ANNAKSYON ANKÒ POU POTE ASISTANS BAY REZIDAN YO NAN KONTE MONROE PANDAN YO T AP REFÈ ANBA SIKLÒN IRMA, EPI APRE SA NAN PÒTORIKO APRE SIKLÒN MARIA. GASON AK FI SA YO TE METE SÈVIS ANVAN TÈT PA YO EPI YO SE DEFINISYON SA EWO VLE DI. YO TE REPREZANTE NOU BYEN EPI MWEN TA RENMEN REMÈSYE YO TOUT POU TOUT SA YO FÈ. MENM JAN AVÈK FÒS AME YO, PREMYE ENTÈVENAN YO TOUPATOU NAN PEYI A, SA GEN LADAN ISIT LA NAN MIAMI-DADE, FÈ EKSPERYANS EFÈ TRAJIK PWOBLÈM ESTRÈS POUTÈT CHÒK, EPI GENYEN KI PAFWA FÈ APÈL A SWISID. DEPATMAN PONPYE NOU AN REKONÈT PWOBLÈM SA A EPI LI VIN YON LIDÈ NAN SÈVIS KONT ENSANDI A NAN METE SOU PYE FÒMASYON SOU SANSIBILIZASYON SOU PWOBLÈM ESTRÈS POUTÈT CHÒK AK SWISID. MWEN TA RENMEN PRAN TAN SA A POU REKONÈT PONPYE AK SEKOURIS MIAMI-DADE YO POU KONTRIBISYON YO NAN INISYATIV SA A KI PRAL SOVE VI. M AP MANDE LYETENAN ALEX TRINCHET, LYETENAN ANA FALCO, LYETENAN MARIA ORTIZ, LYETENAN JEANNETTE HARRINGTON, PONPYE MARIO GONZALEZ AK PABLO RIVAS, EPITOU DTÈ. SHARON ISRAEL, FLORA DE CUETO, ERIKA BENITEZ, ELENA HERNANDEZ, ROBERT HERNANDEZ, AK KAPITÈN ED CHARDON POU YO LEVE SILVOUPLÈ POU NOU REKONÈT YO POU EFÒ YO NAN SOVE LAVI PREMYE ENTÈVENAN NOU YO.

Page 18: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

POUTÈT LI REKONÈT KONSEKANS KRIZ OPYOYID LA SOU KOMINOTE NOU AN, DEPATMAN PONPYE NOU AN TE METE TÈT ANSANM AVÈK M.D.P.D. POU FÒME EPI EKIPE 24 POLISYE MIAMI-DADE SOU KIJAN POU YO ADMINISTRE NARCAN, MEDIKAMAN KI SOVE LAVI KI SÈVI POU TRETE OVÈDÒZ OPYOYID YO. MWEN BAT BRAVO POU DEPATMAN PONPYE AK LAPOLIS NOU YO DÈSKE YO TRAVAY ANSANM EPI TOUJOU METE SEKIRITE KOMINOTE NOU AN, AN PREMYE. MWEN TA RENMEN REMÈSYE KOMISÈ SALLY HEYMAN POU EFÒ LI YO NAN KÒMANDITE KREYASYON YON FÒS ENTÈVANSYON KONT OPYOYID LANE PASE. FÒS ENTÈVANSYON SA A TE RESPONSAB FÈ YON EVALYASYON GLOBAL EPIDEMI AKOUTIMANS A OPYOYID LA, IDANTIFYE PI BON PRATIK YO POU OKIPE EPI RETE EPIDEMI AN, REKÒLTE ENFÒMASYON, EPI ELABORE YON PLAN. YOUN NAN 26 REKOMÀNDASYON KI TE PREZANTE NAN RAPÒ FINAL LA, SE TE AMELYORASYON KONESANS FÒS DE LÒD YO AK PREMYE ENTÈVENAN YO SOU DWÒG LA, METE RESOUS POU TRETMAN DISPONIB, EPI ADMINISTRE NARCAN LÈ SA NESESÈ. NOU ATENN BI SA A EPI N AP SOVE VI GRAS A LI. MWEN KONNEN MAJISTRA ADJWEN AK ANSYEN KAPITÈN PONPYE MIAMI MAURICE KEMP ENPRESYONE DEVAN DEVOUMAN TOUT DEPATMAN SEKIRITE PIBLIK NOU YO AP MONTRE A CHAK JOU DEPI LI TE ANTRE NAN FANMI KONTE A. MÈSI POU SA W AP FÈ A MAJISTRA ADJWEN KEMP. EPI MENM SI SEKIRITE PIBLIK RETE ENPÒTAN ANPIL, LI ENPÒTAN TOU POU GARANTI REZIDAN NOU YO AK

Page 19: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

TIMOUN YO NAN KONTE NOU AN GEN OPSYON AKTIVITE REKREYATIF. AKSÈ A YON SAL ESPÒ BON MACHE KI TOUPRE A SOUVAN PA YON OPSYON POU ANPIL MOUN NAN KONTE MIAMI-DADE, SE POUTÈT SA “ZÒN EGZÈSIS” DEPATMAN PAK, REKREYASYON AK ESPAS OUVÈ NOU AN KREYE EPI JERE YO PRESYE KONSA. NOU GEN 25 NAN ZÒN SA YO KI ENSTALE NAN DIFERAN PAK TOUPATOU NAN KONTE A. NON SÈLMAN ZÒN EGZÈSIS SA YO OFRI BYENFÈ PRATIK POU SANTE AK OPÒTINITE POU REZIDAN YO REYINI, YO SE BÈL AJOUTMAN NAN PAK NOU YO TOU. MWEN TA RENMEN REMÈSYE KAT ACHITÈK JADEN YO KITE EDE BATI ZÒN EGZÈSIS NOU YO EPI KI AVÈK NOU MATEN AN. MICHAEL HOULE, HONG YUN, MICHAEL BEDELL, AK DENNIS ESPINAL – TANPRI KANPE. MÈSI POU KREYASYON YON CHIMEN AKSESIB KI MENNEN NAN LASANTE POU BANN REZIDAN AK VIZITÈ NOU YO. POU SA, AK TOUT BÈL BAGAY KI SÒTI NAN KOMITE PAK AK ZAFÈ KILTIRÈL NOU AN, MWEN TA RENMEN REMÈSYE PREZIDAN LI AN, SENATÈ JAVIER SOUTO… EPITOU KONSEYE PRENSIPAL MWEN AN, MICHAEL SPRING, KI SE YON ENSPIRASYON AVÈK PASYON LI POU LÈZA. EPI PANDAN N AP KONTINYE LAJI KILTI AK LWAZI NAN KOMINOTE NOU AN, KONTE MIAMIDADE AP KONTINYE BATI POU AVNI LI. DEPATMAN YO NAN KONTE NOU AN AP KOLABORE AVÈK SEKTÈ PRIVE A POU KREYE OPÒTINITE TRAVAY EPI DIVÈSIFYE EKONOMI NOU AN.

Page 20: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

GRAS A KWASANS AK DEVLÒPMAN PÒ MIAMI AN PANDAN DIS LANE KI SOT PASE YO, YO REKONÈT PÒ LANMÈ NOU AN KÒM YON PÒT OUVÈ GLOBAL AK KAPITAL KWAZYÈ MONDYAL LA SAN KONTESTASYON. AN VERITE, SEMÈN PASE A, PÒ MIAMI TE GENYEN PRI “PORTHOLE CRUISE MAGAZINE’S” NAN POU PI BON PÒ POUTÈT SÈVIS POU KLIYAN LI, BON KALITE OPERASYON LI YO, AK EKSELANS LI AN JENERAL. NOU BAT YON LÒT REKÒ MONDYAL TOU NAN AKEYI 5.3 MILYON PASAJE KWAZYÈ AN 2017. SE APEPRÈ 1 MILYON ANPLIS NENPÒT KI LÒT PÒ NAN LEMOND! EPI CHIF PÒ LANMÈ NOU YO AP KONTINYE OGMANTE. AN VERITE, MWA PASE A AN DESANM, SE TE MWA KI TE GEN LEPLIS PASAJE NAN LISTWA NOU EPI PREMYE FWA NOU TE ANBAKE PLIS PASE 600,000 PASAJE POU PLIZYÈ JOU – YON LÒT REKÒ. MWEN PANSE SA MERITE NOU BAT BRAVO! PÒ MIAMI PWOGRESIVMAN ATIRE NOUVO BIZNIS GRAS A PLIS PASE $1.3 MILYA DEPANS ENVESTISMAN KI FÈT NAN ENFRASTRIKTI, SA GEN LADAN ACHÈVMAN KIRAJ NOU AN. ENVESTISMAN NOU YO SÈTÈNMAN AP RAPÒTE. AN VERITE, CHIF KAGO NOU YO OGMANTE PRÈSKE 10% JODI A PA RAPÒ A ENNAN DE SA. NOU BENEFISYE TOU ENVESTISMAN PRIVE NAN PÒ NOU AN. ROYAL CARIBBEAN AP ENVESTI $200 MILYON POU NOUVO TÈMINAL LI A, KI SIPOZE OUVÈ NAN FEN ANE SA A. EPI GRAS A ENVESTISMAN SA A, PI GRAN BATO KWAZYÈ A NAN LEMOND AP RETOUNEN NAN PÒ MIAMI.

Page 21: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

PÒ MIAMI AP FINALIZE MEMORANDÒM ANTANT AVÈK 2 LÒT GWO LIY KWAZYÈ TOU POU PWOJÈ MENM JAN AN, KI PRAL KREYE PLIS DJÒB POU REZIDAN NOU YO. MWEN TA RENMEN REMÈSYE DIREKTÈ PÒ LANMÈ NOU AN, JUAN KURYLA, EPI BYENNANTANDI PREZIDAN KOMITE KWASANS EKONOMIK AK TOURIS LA, KOMISÈ REBECA SOSA. TRAVAY DI AK DEVOUMAN NOU DEPASE LAMEZI. DEPATMAN AVYASYON AN TE GEN YON LÒT ANE SOLID TOU AN 2017 EPI LI TE KONTINYE BATI POU LAVNI. AYEWOPÒ ENTÈNASYONAL MIAMI AN TE AKEYI 7 NOUVO LIY AYERYEN POU PASAJE – PAMI YO EL AL IZRAYÈL LA -- AK 4 NOUVO AVYON POU KAGO SÈLMAN. NOUVO AJOUTMAN SA YO POTE KANTITE LIY AYERYEN TOTAL K AP OPERE NAN M.I.A. YO A 107 – SA SE PLIS PASE NENPÒT KI AYEWOPÒ NAN ETAZINI. KOUNYE A NOU GEN VÒL DIRÈK RIVE IZRAYÈL EPI PI TA ANE SA A, MWEN PRAL VWAYAJE AL LACHIN NAN LESPWA JWENN YON VÒL DIRÈK SÒTI NAN PEYI SA A POU VIN MIAMI. 6 LIY AYERYEN POU PASAJE AK 3 AVYON POU KAGO SÈLMAN KI TE KÒMANSE SÈVIS NAN M.I.A. AN 2017 DIRÈKTEMAN AK ENDIRÈKTEMAN YO RESPONSAB 4,145 NOUVO DJÒB, EPI NOU PREVWA Y AP JENERE $355 MILYON AN NOUVO REVNI BIZNIS CHAK ANE NAN KONTE MIAMI-DADE. MWEN TA RENMEN REMÈSYE ANSYEN DIREKTÈ NOU AN, DTÈ. EMILIO GONZALEZ, POU LIDÈCHIP LI EPI FÈ LI KONPLIMAN POUTÈT YO FÈK NONMEN LI KÒM ADMINISTRATÈ VIL MIAMI – BYENVINI NAN KLÈB ADMINISTRATÈ VIL LA.

Page 22: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

MWEN TA RENMEN MANSYONE, GRAS A EFÒ PÒ LANMÈ AK AYEWOPÒ NOU YO, MIAMI KONTINYE RETE YOUN NAN DESTINASYON KI GEN PLIS VIZITÈ YO. ENDISTRI TOURIS MIAMI-DADE LA TE RETE SOLID AN 2017 MALGRE DIFIKILTE SIKLÒN, EKONOMI MONDYAL LA, YON DOLA FÒ, AK FÈMTI PALÈ KONGRÈ MIAMI BEACH LA POU YON AGRANDISMAN AK YON RENOVASYON $620 MILYON. SESIDI, AN 2017, KONTE MIAMI-DADE TE AKEYI YON REKÒ 15.8 MILYON VIZITÈ KI TE PASE PLIS PASE 24 ÈDTAN ISIT LA SA KI TE JENERE YON REKÒ $25.9 MILYA POU KOMINOTE NOU AN. POU SA, MWEN TA RENMEN REMÈSYE PREZIDAN AK DIREKTÈ JENERAL OFIS KONGRÈ AK TOURIS GRAN MIAMI AN, BILL TALBERT, POU DEVOUMAN LI AK VOLONTE LI POU FÈ MIAMI VIN YON DESTINASYON ENTÈNASYONAL. KONPAYI YO AP CHWAZI ENVESTI NAN MIAMIDADE. EPI YOUN NAN YO SE AMAZON. MEN ANVAN NOU PANSE A HQ2, FÒK NOU SONJE AMAZON DEJA NAN MIAMI-DADE. LANE PASE, JEYAN KOMÈS ELEKTWONIK LA TE KÒMANSE FOUYE POU YON NOUVO SANT TRETMAN KÒMANN AK DISTRIBISYON DÈNYE KRI 97 AK NAN PWÒP AYEWOPÒ EGZEKITIF MIAMI-OPA LOCKA NOU AN. NOUVO LOKAL SA A, YO PREVWA K AP OUVÈ NAN FEN ANE SA A, PRAL POTE PLIS PASE 1,000 NOUVO DJÒB PÈMANAN. EPI WI, MWEN – AN VERITE, NOU TOUT – ESPERE AMAZON PRAL YO FWA ANKÒ CHWAZI ZÒN TWA KONTE A KÒM FITI FWAYE DEZYÈM SYÈJ SOSYAL YO NAN AMERIK DI NÒ, HQ2.

Page 23: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

LANE PASE, NOU TE KOLABORE AVÈK KONTE BROWARD AK PALM BEACH POU SOUMÈT YON ÒF… YON EFÒ PWÒP MIAMI-DADE BEACON COUNCIL PA NOU AN. YO TE ANONSE PI BONÈ MWA SA A AMAZON REDUI 238 PWOPOZISYON YO RESEVWA YO A 20 KONKIRAN PRENSIPAL… EPI MIAMI RIVE SOU LIS KANDIDA KI SELEKSYONE YO. MWEN TE TOUJOU KONNEN NOU TE YON KONKIRAN SOLID. GEN MOUN KI PA T DAKÒ AVÈK MWEN, MEN MWEN TE TOUJOU – EPI MWEN KONTINYE – OPTIMIS NAN SA KI GEN POU WÈ AVÈK CHANS NOU YO. DONK SE PA T YON SIPRIZ POU MWEN DÈSKE NOU SE FINALIS EPI MWEN PA KA TANN FÈ KONPETISYON AVÈK VIL TANKOU NEW YORK, BOSTON, AK ATLANTA. MOUN MIAMI PARÈY MWEN YO, NOU PARE EPI NOU KAPAB ATIRE AMAZON, GOOGLE, FACEBOOK, OSWA NENPÒT KI LÒT GWO KONPAYO. MWEN KWÈ SA FÈMEMAN. EPI PANDAN N AP PALE DE BEACON COUNCIL, AN 2017 YO TE AKEYI YON NOUVO PREZIDAN-DIREKTÈ JENERAL, MICHAEL FINNEY. YON FWA AKÒ MWEN TA RENMEN AKEYI NATIF NATAL MICHIGAN NAN, NAN KOMINOTE NOU AN. MICHAEL RENMEN METEYO NOU AN ANPIL TOU. YON TI JAN DIFERAN DE SA LI T AP WÈ KOUNYE A NAN MICHIGAN. MWEN PA KA TANN POU NOU KONTINYE TRAVAY ANSANM… EPI POU MWEN KOLABORE AVÈK MIAMI-DADE COUNTY PUBLIC SCHOOLS, INIVÈSITE TANKOU FLORIDA INTERNATIONAL UNIVERSITY, UNIVERSITY OF MIAMI, AK MIAMI DADE COLLEGE POU EDIKE EPI KENBE TALAN NOU BEZWEN AN POU EKONOMI AVNI AN AK DJÒB DEMEN YO.

Page 24: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

EPI MENM SI NOU GEN KÈK MWA POU NOU TANN ANVAN AMAZON OUVÈ NOUVO SANT DISTRIBISYON LI AN NAN AYEWOPÒ EGZEKITIF MIAMI-OPA LOCKA A, ATANT LA PRÈSKE FINI POU NBCUNIVERSAL/TELEMUNDO ENTERPRISES INOGIRE SYÈJ SOSYAL LI FÈK BATI A NAN PATI MIAMI-DADE KI PA KONSTITYE MINISIPALITE A. NOUVO LOKAL DÈNYE KRI $250 MILYON AN, KI MEZIRE APEPRÈ 500,000 PYE KARE SOU 21 AK, PRAL AKEYI 1,200 ANPLWAYE. BILDING NAN PRAL GEN LADAN BIWO AK ATELYE POU TELEMUNDO NETWORK, TELEMUNDO STUDIOS, TELEMUNDO INTERNACIONAL, UNIVERSO NETWORK, SYÈJ SOSYAL LATINO-AMERIKEN NBCUNIVERSAL LA, EPITOU PWOPRIYETE MEDYA NIMERIK YO. NOUVO BILDING SA A PRAL PI GWO ENVESTISMAN KI JANM FÈT NAN YON ENSTALASYON PWODIKSYON AK DIFIZYON MILTIMEDYA NAN REJYON FLORIDA A. KONPAYI AN TE KAPAB ALE NENPÒT KI KOTE -- TEXAS, CALIFORNIA, ELATRIYE – MEN LI CHWAZI KONTE MIAMI-DADE! MWEN REMÈSYE PREZIDAN NBCUNIVERSAL TELEMUNDO ENTERPRISES LA CESAR CONDE, KI MALGRE LI TE GRADYE NAN BELEN OLYE DE COLUMBUS MENM JAN AVÈK MWEN, SE YON MOUN MIAMI EPI L AP REMÈT BAY LAKAY LI EPI AP EDE KOMINOTE NOU AN BATI POU LAVNI. REPREZANTAN KONPAYI AN ISIT LA JODI A SE VIS-PREZIDANT EGZEKITIF LA MONICA GIL BYENVENI, MONICA. NOU GEN YON LÒT GRAN SYÈJ SOSYAL K AP OUVÈ BYENTO TOU POU FEDEX. NOUVO LOKAL 240,000 PYE

Page 25: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

KARE KONPAYI EKSPEDISYON AN NAN HOMESTEAD AP PARE POU INOGIRASYON AN FEVRIYE. NOUVO LOKAL SA A PRAL POTE 75 NOUVO DJÒB PÈMANAN NAN KOMINOTE NOU AN. ENVESTISMAN AMAZON, NBCTELEMUNDO, AK FEDEX FÈ YO SE PRÈV GEN DEPLIZANPLI KONPAYI GWO NON K AP VIRE SOU KONTE MIAMI-DADE EPI K AP ENVESTI LOKALMAN. EPI SA PA RETE LA. ÒGANIZASYON GWO NON YO AP EVESTI TOU NAN MIAMI. NOU TOUT SIMAN KONNEN YON ANSYEN JWÈ FOUTBÒL KI RELE DAVID BECKHAM. E BYEN, MWEN KONTAN DI APRE 4 LANE NEGOSYASYON ALE-VINI, FOUTBÒL LIG MAJÈ FINALMAN AP VINI NAN MIAMI! MWEN TE GEN ANPIL CHANS ASISTE ANONS OFISYÈL FRANCHIZ FOUTBÒL LA NAN ADRIENNE ARSHT CENTER. ODITORYÒM NAN TE PLEN FANATIK FOUTBÒL AK PASYONE ESPÒ KI – MENM JAN AVÈK MWEN – PA KAPAB TANN PREMYE MATCH LA. MWEN KONFYAN YO PRAL KONTRIBYE NAN LISTWA ESPÒTIF RICH MIAMI AN. MWEN TA RENMEN REMÈSYE MAJISTRA ADJWEN NOU AN JACK OSTERHOLT AK DIREKTÈ ADJWEN RESOUS EKONOMIK NOU AN LELAND SALOMON POU WÒL ESANSYÈL YO JWE A NAN NEGOSYASYON YO AK NAN MENNEN BECKHAM NAN MIAMI. DAVID BECKHAM SE PA SÈL ANSYEN ATLÈT PWOFESYONÈL KI VIN RETE NAN MIAMI. PI BONÈ ANE SA A, NOU TE AKEYI ANSYEN LEJANN NEW YORK YANKEES YO DEREK JETER KÒM YOUN NAN NOUVO PWOPRIYETÈ MIAMI MARLINS YO.

Page 26: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

DEREK AVÈK MWEN TE VIZITE MARLINS PARK MWA SA A EPI MWEN KONNEN NOU KAPAB ATANN NOU ASKE LI AK NOUVO EKIP DIREKSYON AN FÈ BÈL BAGAY… PETÈT MENM KÈK RENOVASYON ANNDAN ESTAD LA. EPI PANDAN N AP PALE DE RENOVASYON, MWEN TA RENMEN REKONÈT PWOPRIYETÈ DOLPHINS YO STEPHEN ROSS POU ENVESTISMAN PÈSONÈL $500 MILYON LI AN NAN ESTAD HARD ROCK LA. RENOVASYON SA YO TE POU ANPIL NAN JAN NOU TE KAPAB ATIRE YOUN NAN PI GRAN MATCH FOUTBÒL NAN LEMOND PANDAN ETE KI SOT PASE A. POU PREMYE FWA DEPI 35 AN, EL CLASICO TE JWE ANDEYÒ LEWÒP EPI SE TE ISIT LA MENM NAN LAKOU NOU NAN ESTAD HARD ROCK LA. RIVAL NAN FOUTBÒL YO REAL MADRID AK F.C. BARCELONA TE RANKONTRE DEVAN YON FOUL KI PA T GEN PLAS POU PIKE ZEPENG. NOU JWENN TOU DE LÒT BÈL EVÈNMAN ESPÒTIF NAN HARD ROCK LA: SUPER BOWL 54 AN 2020 AK CHANPYONA NASYONAL FOUTBÒL AMERIKEN KOLÈJ LA AN 2021… ANKENN NAN BAGAY SA YO PA T AP POSIB SAN YON ESTAD KLAS MONDYAL. SE YON LÒT EGZANP JAN LÈ NOU TRAVAY AVÈK SEKTÈ PRIVE A, NOU KAPAB ATIRE PLIS ENVESTISMAN NAN KOMINOTE NOU AN. EPI PANDAN N AP PALE DE ENVESTISMAN, ADMINISTRASYON MWEN AN PRAL PREZANTE YON BAGAY DEVAN KONSÈY KOMISÈ KONTE A NAN YON REYINYON KI PRAL FÈT KI GEN POU WÈ AVÈK LOKASYON APEPRÈ 140 AK TEREN KI SE PWOPRIYETE KONTE A. SI YO APWOUVE LI, PWOMOTÈ IMOBILYE YO PRAL BATI YON KLÈB KONDUIT PRESIZYON AK OTOMOBIL KI PRAL SÈTÈNMAN EDE POUSE KWASANS EKONOMIK LA NAN MIAMI-DADE.

Page 27: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

GWOSÈ AK NATI PWOJÈ A PRAL GEN YON EFÈ SOU TOUT KONTE A EPI POTE PLIZYÈ SANTÈN – SI SE PA MILYE – DJÒB NAN KOMINOTE NOU AN. MWEN REMÈSYE KOMISÈ JORDAN POU WÒL ESANSYÈL LI JWE NAN MENNEN DEVLÒPMAN SA A NAN KOMINOTE NOU AN. KREYASYON YON PI BON MIAMI-DADE POU TOUT MOUN MIAMI YO SE PA SÈLMAN POTE NOUVO BIZNIS, MEN SE ENVESTI TOU NAN PWÒP KOMINOTE PA NOU AN EPI BATI PLIS KAY POU MENDÈV LA. TE GEN ANPIL KOUVÈTI NAN MEDYA YO DÈNYÈMAN SOU LOJMAN BON MACHE AK DIFIKILTE LI YO NON SÈLMAN NAN MIAMI-DADE MEN NAN TOUT SID FLORIDA. EPI PA GEN DOUT NOU BEZWEN PLIS LOJMAN BON MACHE. MEN OLYE POU NOU PASE TAN AP PALE DE PWOBLÈM NAN, NOU DWE TRAVAY SOU SOLISYON AK FINANSMAN. NAN BIDJÈ ANE FISKAL 17-18 NOU AN, NOU GEN PLIS PASE $150 MILYON KI DEJA KONSAKRE A DIFERAN PWOJÈ EPI PLIS PASE $90 MILYON KI DISPONIB POU DISTRIBYE. EPI MENM SI EKONOMI NOU AN RETE SOLID -- EPI AP VIN DEPLIZANPLI SOLID – N AP TRAVAY TOU SOU RANFÒSE ENFRASTRIKTI KONTE NOU AN. DEPATMAN DLO POTAB AK EGOU NOU AN AP MENNEN BATAY LA NAN POZE FONDASYON AVNI AN – NAN SANS PWÒP. W.A.S.D. FINI 4 LANE NAN PWOJÈ AMELYORASYON IMOBILYE K AP DIRE ANT 15 AK 20 LANE A, SA KI EGAL $1.2 MILYA AN NOUVO AKTIF POU DEPATMAN AN. GEN PLIS PASE 1,000 PWOJÈ KI DEJA FINI EPI GEN 876 K AP FÈT KOUNYE A.

Page 28: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

AVÈK LESON LI APRANN NAN MEN SIKLÒN IRMA, DEPATMAN DLO POTAB NOU AN PRAL KONTINYE RANFÒSE REZISTANS SÈVIS PIBLIK YO GRAS A KONSEPSYON AK RANFÒSMAN ENFRASTRIKTI POU KONDISYON FITI YO KI PRAL SIBI KONSEKANS AKTIVITE SIKLÒN EPITOU CHANJMAN KLIMA AK MONTE NIVO LANMÈ. MWEN REMÈSYE DIREKTÈ DEPATMAN DLO POTAB NOU AN, LESTER SOLA, POU LIDÈCHIP LI. EPI MWEN TA RENMEN REMÈSYE KOMISÈ JEAN MONESTIME TOU POUTÈT LI MENNEN BATAY LA KÒM PREZIDAN KOMITE ENFRASTRIKTI AK SÈVIS PIBLIK LA. BATI POU LAVNI VLE DI TRAVAY AVÈK KOLABORATÈ YO POU OKIPE DIFIKILTE K AP VINI YO. SE POUTÈT SA PANDAN PLIZYÈ MWA KI SOT PASE YO, KAD SIPERYÈ YO NAN ADMINISTRASYON MWEN AN ANSANM AVÈK MWEN TE TRAVAY AVÈK PREZIDAN-DIREKTÈ JENERAL F.P.L. LA ERIC SILAGY AK LÒT MANM NAN DIREKSYON KONPAYI AN POU FINALIZE DETAY KI GEN POU WÈ AVÈK YON AKÒ PATISIPASYON KOMEN SOU RE-ITILIZASYON DLO RESIKLE. KOUNYE A MWEN KAPAB ANONSE DE INISYATIV REZISTANS KI SE EGZANP EKSELAN SA N AP BATI POU LAVNI. PREMYE AN SE YON EFÒ POU SÈVI AVÈK DLO RESIKLE POU RANPLASE SOUS DLO NOU GENYEN KOUNYE A POU REFWADISMAN SANTRAL KOURAN TURKEY POINT LA. EPI DEZYÈM NAN SE YON KANPAY POU LAJI ITILIZASYON ENÈJI SOLÈ NAN TOUT KONTE MIAMI-DADE LA. SOLISYON SA YO TA KAPAB BON POU NI GOUVÈNMAN KONTE MIAMIDADE LA NI F.P.L. POUTÈT YO SÈVI AVÈK

Page 29: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

TEKNOLOJI PATAJE A POU ATENN BI NI KONTE NOU AN NI F.P.L. GRAS A PATAJ RESOUS AK ENVESTISMAN SA YO, PRI REZIDAN NOU YO PEYE POU SÈVIS ELEKTRIK AK DLO POTAB AK EGOU YO GEN DWA BESE. PLAN SA A GEN POTANSYÈL RESIKLE PLIS PASE 20 MILYA GALON DLO DOUS EPI ANPECHE RETRÈ 10 MILYA GALON DLO NAP SOUTEREN NAN FLORIDA CHAK ANE. KALITE SIPERYÈ DLO PWOJÈ A PWODUI A PRAL EDE RETABLI YON EKOSISTÈM SEN NAN KANNAL REFWADISMAN YO KI PRAL PÈMÈT RETOU ZÈB LANMÈ KÒM FILTÈ NATIRÈL DISI DIS PREMYE ANE FONKSYÒNMAN YO. SA PRAL YON ETAP ENPÒTAN NAN PREPARASYON POU FÈMTI FINAL KANNAL REFWADISMAN YO. PWOJÈ A PRAL SÈVI TOU KÒM PWEN DEPA POU LÒT PWOJÈ DLO RESIKLE KI TA KAPAB ATENN 100 POUSAN BI RESIKLAJ YO EPI OFRI YON SOUS DLO FYAB AK SAN DANJE POU RE-IDRATE TÈ MOUYE REJYON AN. ANPLIS DE SA, F.P.L. AP PLANIFYE METE 1 MILYON PANNO SOLÈ NAN KONTE MIAMI-DADE. YO PRAL DEVLOPE EPI BATI PWOJÈ K AP JENERE OMWEN 223.5 M.W. ENÈJI SOLÈ NAN KONTE A, SA K AP BAY MENM KAPASITE GOUVÈNMAN KONTE MIAMI-DADE LA AP ITILIZE KOUNYE A… EPI FÈ NOU PREMYE KONTE NAN ETAZINI KI GEN ENÈJI RENOUVLAB KI ENSTALE POU REPONN BEZWEN GOUVÈNMAN AN GENYEN KOUNYE A. EPI SA, ZANMI MWEN YO, SE YON TRÈ GWO ZAFÈ. NOU PRAL PREZANTE DE AKÒ YO DEVAN KOMISYON AN NAN YON REYINYON KI PRAL FÈT EPI MWEN ESPERE Y AP VOTE ANFAVÈ LI. MWEN REMÈSYE PREZIDAN NOU AN BOVO AK KOMISÈ SOSA POU SOUTYEN SOLID YO POU KOLABORASYON TRÈ ENPÒTAN SA A.

Page 30: MÈSI, KOMISÈ BARREIRO, POU ENTWODIKSYON TRÈ EMAB SA A. … · 2018. 2. 2. · mÈsi, komisÈ barreiro, pou entwodiksyon trÈ emab sa a. epi mÈsi tout moun ki nan diskou vini sou

EPI SA, REZIDAN PARÈY MWEN YO, SE YON LÒT EGZANP BATI POU LAVNI. KÒM MAJISTRA KONTE MIAMI-DADE, MWEN, ANSANM AVÈK KOMISÈ NOU YO, GEN RESPONSABILITE SAN PARÈY KONTINYE BATI FONDASYON BÈL KOMINOTE SA A. EPI ANSANM – REZIDAN YO, LIDÈ BIZNIS YO AK FONKSYONÈ ELI YO –SE SA NOU PRAL KONTINYE FÈ. TRAVAY N AP FÈ JODI A PRAL BON POU PITIT NOU YO, PITIT-PITIT NOU YO AK PITIT-PITIT-PITIT NOU YO. REZIDAN YO, MEN NAN KI ETA KONTE NOU AN YE. EPI MWEN PWOMÈS M AP FÈ NOU. NOU PRAL KONTINYE BATI POU LAVNI… POU AMELYORE JAN GOUVÈNMAN KONTE A SÈVI 2.7 MILYON REZIDAN LI YO… POU FÈ KOMINOTE AN PI REZISTAN… POU FÈ KONTE MIAMI-DADE ANTRE NAN YON NOUVO EPÒK EPI VIN KOMINOTE KLAS MONDYAL MWEN KONNEN NOU PRAL YE A. MÈSI. BONDYE BENI NOU EPI BONDYE BENI KONTE MIAMI-DADE AK ETAZINI!