fason pou bay timoun ki gen 6 a 59 mwa vitamin a · 2017-10-06 · fason pou bay timoun ki gen 6 a...

3
Fason pou Bay Timoun ki Gen 6 a 59 Mwa Vitamin A Nan peyi ki manke vitamin A, bay sibstans ki pèmèt ou jwenn sa w pa jwenn nan manje sou fòm grenn chak 4 a 6 mwa se yon bagay enpòtan ki pèmèt timoun yo gen bon lasante epi devlope byen. Yo rekonèt tou sa enpòtan anpil nan program ki pou fè timoun yo viv pi lontan. Lè yo bay yon timoun ki gen ant 6 a 59 mwa grenn vitamin A a 2 fwa chak ane, sa pèmèt yo redwi de 24% kantite timoun ki mouri. Lè yo bay vitamin A a, sa pèmèt pwoteje sante ti bebe ak timoun yo paske: Sa ede timoun nan viv pi lontan Li ka koresponn pi byen ak maladi Sa redwi ka dyare ak laroujòl Sa pwoteje je l, fason l wè epi sa pèmèt timoun nan pa vin anemi Sa fè timoun nan byen grandi Rekòmandasyon: Pandan 6 premye mwa ti bebe a fèt la li dwe bwè lèt manman l sèlman. Timoun dwe manje manje tankou fri ak legim ki gen gwo koulè, manje ki sot nan bèt tankou lèt ak vyann, epi nwa, lwil ak legim sèk. Tibebe ki gen 6 mwa pou rive 11 mwa dwe pran yon dòz vitamin A 100.000UI. Timoun ki gen 12 mwa pou rive 59 mwa dwe pran yon dòz vitamin A 200.000 UI 2 fwa nan yon ane. Pou plis enfòmasyon, kontakte: [email protected]

Upload: others

Post on 28-May-2020

11 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Fason pou Bay Timoun ki Gen 6 a 59 Mwa Vitamin A

Nan peyi ki manke vitamin A, bay sibstans ki pèmèt ou jwenn sa w pa jwenn nan manje sou fòm grenn chak 4 a 6 mwa se yon bagay enpòtan ki pèmèt timoun yo gen bon lasante epi devlope byen. Yo rekonèt tou sa enpòtan anpil nan program ki pou fè timoun yo viv pi lontan. Lè yo bay yon timoun ki gen ant 6 a 59 mwa grenn vitamin A a 2 fwa chak ane, sa pèmèt yo redwi de 24% kantite timoun ki mouri.

Lè yo bay vitamin A a, sa pèmèt pwotejesante ti bebe ak timoun yo paske:• Sa ede timoun nan viv pi lontan

• Li ka koresponn pi byen ak maladi

• Sa redwi ka dyare ak laroujòl

• Sa pwoteje je l, fason l wè epi sa pèmèt timoun nan pa vin anemi

• Sa fè timoun nan byen grandi

Rekòmandasyon:

• Pandan 6 premye mwa ti bebe a fèt la li dwe bwè lèt manman l sèlman.

• Timoun dwe manje manje tankou fri ak legim ki gen gwo koulè, manje ki sot nan bèt tankou lèt ak vyann, epi nwa, lwil ak legim sèk.

• Tibebe ki gen 6 mwa pou rive 11 mwa dwe pran yon dòz vitamin A 100.000UI.

• Timoun ki gen 12 mwa pou rive 59 mwa dwe pran yon dòz vitamin A 200.000 UI 2 fwa nan yon ane.

Pou plis enfòmasyon, kontakte: [email protected]

Fòmasyon Ajan LasanteTout ajan lasante yo dwe jwenn fòmasyon avan yo bay tibebe ak timoun vitamin A. Sipèvizè distribisyon yo dwe bay fòmasyon a tout ajan yo ki gen rapò ak distribisyon Sipleman Vitamin A (SVA), itilize etap ak sekans ke yo bay anba a, pou seten ke sèvis distribisyon an konpetan epi respekte nòm.

Entwodiksyon Vitamin A ak Konsèy Antre• Ajan lasante a akeyi epi remèsye paran ak timoun yo pou prezans yo

• Li kominike enfòmasyon sou kijan li pral bay SVA a

• Li kominike enfòmasyon sou sekirite SVA, efè segondè li, ak kilè pou bay dòz apwopriye yo

• Mande paran an ak timoun nan si yo pa gen kesyon epi reponn kesyon yo

Jan Nou Triye Timoun ki Merite SVA• Mande epi note non timoun nan

• Chèche konen ki moun ki ka pran SVA epi pran desizyon ki apwopriye a (laj, santé respiratwa, ak ki lè li te pran SVA)

• Chwazi dòz ki pou laj timoun nan epi explike paran an sa

• Pingaw janm bay yon paran Vitamin A pou l ale lakay li pou l bay timoun nan li pita

Prevansyon Enfeksyon• Lave oubyen pase sanitayzè nan men w (souvan avan/aprè ou bay yon timoun malad yon dòz)

Bay Dòz Vitamin A• Pingaw janm fòse yon timoun pran vitamin A a epi pa bay yon timoun kap kriye li

• Mande paran an poul asirel kel kenbe tèt timoun nan dekwa pou bouch li ouvè

• Sèvi ak yon sizo pwòp pou koupe ti tèt kapsil Vitamin A a

• San touché timoun nan dirèkteman, prije tout likid vitamin A a ki nan kapsil lan nan bouch timoun nan

• Ajan lasante a dwe asirel ke timoun nan vale tout dòz Vitamin A a, eke li anfòm aprè

• Mete kapsil vitamin A a nan sachè plastik, lave men ak sizo yo pou retire kras grès

Dosye SVA Yo• Ekri ki dòz vitamin A ke yo te bay timoun nan nan kat lasanté avèk rejis distribisyon an

Konsey Final• Fè paran an sonje move efè SVA ak kisa pou yo fè

• Mande paran an si gen kesyon epi reponn yo ak presizyon

• Di paran an kilè, ki dat ak ki kote y’ap fè pwochen distribisyon SVA a

• Remèsye paran an ak timoun yo dèske yo te vin patisipe

Gid pou Sipèvizè DistribisyonSipleman Vitamin A (SVA)

Al gade Bwat Imaj Vitamin Angels la pouw ka gen plis enfòmasyon etap pa etap.

Pou plis enfòmasyon, kontakte: [email protected]

Bay Timoun 6-59 Mwa Vitamin A

•Sofsilitagenenfeksyonnanzònkipèmètlirespire,pagenokennlòtkondisyonoubyenmaladikikaanpeche yon timoun ki gen 6 – 59 mwa pran vitamin A. Si timoun nan gen pwoblem pou li respire yo dwe voye yo al wè doktè rapidman.

•PingajanmvoyeyonparanlakayliakVitaminAapoulbaytimounnanlipita. •TibebeoubyentimounkipralgenyonmwadepiliteprandòzvitaminA,lipapjwennokennlòtavantajsil

.pran yon lòt dòz vitamin nan menm mwa a. Yo pa ta dwe ba li dòz la tou.

!

Vitamin A 100.000 UI: Tibebe 6-11 Mwa Vitamin A 200.000 UI: Timoun 12-59 Mwa

Kapsil ble

Kapsil Wouj

Timoun ki Mache

6-11 Mwa

12-59 Mwa

1 LAJ APWOPRIYE DÓZ CHAK 4-6 MWA

Men ajan sante a lave ak savon ak dlo pwòp

Sèvi ak sizo ki pwòp pou koupe tèt kapsil la kote ki pi fèmen an

Pandan paran an kenbe tèt timoun nan, epiasirew ke bouch timoun la ouvè, peze kapsil

la pou lwil vitamin A a tonbe nan bouch timoun nan san ou pa touche li.

Pingaw janm fòse yon timoun pran vitamin A a epi pinga bay li ak timoun kap kriye

Prevansyon EnfeksyonPou evite pwopaje enfeksyon sot nan yon timoun ale nan yon lòt, toujou asire w ke menw pwòp lè wap bay tibebe ak timoun vitamin nan.

Koupe Kapsil laKenbe ti pwent tèt kapsil la anlè, itilize yon sizo ki pwòp pouw koupe tèt kappsil la

Timoun ki Rale

Pou plis enfòmasyon, kontakte: [email protected]