fanm vyolans sou - beyond bordersbeyondborders.net/downloads/introduction to sasa!.pdf · sasa! se...

40
Entwodiksyon ak enfeksyon Aktivis pou Anpeche Vyolans sou Fanm Gid VIH/SIDA

Upload: others

Post on 31-Jan-2020

33 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Entwodiksyon

ak enfeksyon

AktivispouAnpecheVyolans sou Fanm

Gid

VIH/SIDA

Page 2: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Dwa pou vèsyon orijinal ann Angle a :© Raising Voices, 2008Tout dwa yo rezève.

ISBN: 9970-893-10-7

Alatèt moun ki ekri tèks orijinal Angle yo Lori Michau

Moun ki kontribye nan ekri tèks orijinal ann Angle Anneeth Hundle (Enfòmasyon Nou dwe Konnen) Chanda Chevannes (Fim, Gid Seleksyon, Bwochi Enfòmasyon yo, Idantifikasyon Aktivis Kominotè, Ti Koze sou Lasante) Deborah Ensor Sekitoleko (Fè Medya yo Wè w, Done Estatistik, Feyton) Kara McMullen (Gid pou fè entèvyou, Fòmasyon pou Pèsonèl Lasante) Marjolein Moreaux (Fòmasyon) Stephanie Sauve (Vin Maton nan SASA!, Fòmasyon) Atis Marco Tibasima Kòdinasyon Edisyon Stephanie Sauve Grafis Sarah Healey

Raising Voices Plot 16 Tufnell Drive, KamwokyaPO Box 6770Kampala, UgandaTel: +256 41 4531186 / 4532183Fax: +256 41 4531249Kourye elektwonik: [email protected]: www.raisingvoices.org

Gid aktivis SASA! pou anpeche Vyolans sou Fanm ak VIH/SIDA

Depo legal nan Bibliyotèk Nasyonal Dayiti11-02-088

© 2011 Raising Voices ak Beyond Borders e Limyè Lavi

Page 3: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

The Sigrid rauSing TruST

THE FORD FOUNDATION

Raising Voices ap travay pou anpeche vyolans sou fanm ak timoun. Nou kreye metodoloji prevansyon, nou travay ansanm an patenarya ak Òganizasyon Non Gouvènmantal (ONG) pou ranfòse pwogram ki la pou anpeche vyolans sou fanm epi nou fè pledwaye pou amelyore enplikasyon ak envestisman enstitisyon sa yo nan pwogram ki kreye chanjman sosyal.

Se Raising Voices ki te kreye l

Mèsi pou jenewozite òganizasyon sa yo:

Pou vèsyon orijinal ann Angle:

Pou vèsyon adapte an Kreyòl:

Page 4: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Men ochan orijinal Raising Voices te ekri ann Angle:

SASA ! te fleri gras a eksperyans, defi ak sajès tout òganizasyon ki te travay an patenarya ansanm ak Raising Voices pandan anpil lane.Kreyasyon SASA! se te yon vwayaj ki te long e chaje ak enspirasyon. Se pèsonèl Raising Voices ak Sant Prevansyon Vyolans Anndan Kay (Center for Domestic Vyolans Prevention - CEDOVIP) ki te ede mwen toujou rete djanm, san m pa pèdi lòlòj mwen.Mwen te jwenn enspirasyon nan sipò yo ak nan disponiblite yo pou yo kreye nouvote, echwe, rekreye ankò, epi nan enplikasyon san limit yo nan pwomosyon dwa fanm.Yo se:Tina Musuya, Jean Kemitare, Winnie Amono, Josephine Kamisya, Hope Turyasingura, Prossy Nakanjako, Peter Mayanja, Dennis Kizito, Gladys Rachiu, Deborah Ensor Sekitoleko, Rose Muduwa, Yvette Alal, Monicah Amoding, Peter Wateya, Violet Nakiwala, Evelyn Letiyo, Brenda Kugonza, Janet Nakuti, Mable Luzze, Basil Wanzira, Willington Ssekade ak Dipak Naker.

Anpil moun te patisipe nan bay lide, nan ekri tèks epi nan nan kreye orijinalite SASA! Yon gwo mèsi pou yo tout. Mèsi espesyal pou Marco Tibasima ki te fè tout travay atistik la, ki te dakò pou fè eksperyans nan nouvo estil, e ki te menm prete SASA! Maisha ki se kreyasyon pa li!

Pèsonèl CEDOVIP ak Raising Voices te bay gwo patisipasyon pa yo nan tès SASA! nou te fè sou teren. Tèlman te gen anpil moun, nou pa pa kapab bay tout non yo la a, men nou vle remèyse ak tout kè nou tout volontè, konseye kominotè yo, ak gason aktivis nan Kawempe, Men Living with HIV/AIDS Union, Kawempe Positive Women’s Association, enfimyè ak pèsonèl ki bay swen nan lopital Mulago, pèsonèl klinik sante Kawempe City Council ak aktivis kominotè nan Makindye ak Rubaga Divisions.Gwo mèsi pou Kivulini pou kolaborasyon yo nan fim SASA!

Anpil kolèg te patisipe nan verifikasyon diferan pati SASA! yo. Konsèy yo ak sipò yo te bay SASA! fòs.

Nan pami yo, genyen: Tina Musuya, Hope Turyasingura, Aimee Thompson, Jennifer Wagman, Sophie Read-Hamilton, Alessandra Guedes, Mary Ellsberg, Monique Widyono, Joy Baumgartner, Charlotte Watts, Leilani Francisco, Connie Geerhart, Pamela Kirby, Robert Wyrod, Sara Siebert ak Dipak Naker.Mèsi espesyal pou Charlotte Watts, ki pa te sèlman verifye dokiman yo, men ki te bay gwo patisipasyon li nan zouti ak seksyon suivi ak evalyasyon.

Mèsi depi nan fon kè m pou òganizasyon ak moun ki finanse nou, an patikilye: Marijke Mooij nan HIVOS, Carla Sutherland nan Ford Foundation, Jessica Horn nan Sigrid Rausing Trust ak Nicole Gray nan Hewlett Foundation. Se sipò ou bay SASA! san manke ki te ba nou posiblite fè rechèch nou epi eseye nouvo envansyon. Mwen vle di Mona Mehta, nan Oxfam, mèsi tou pou sipò li te bay pou travay enprimri dokiman SASA! yo, epi pou jan li kwè nan apwòch Raising Voices yo.

Mwen santi mwen te genyen yon chans enkwayab paske mwen te travay yon lòt fwa ankò ak Stephanie Sauve.

Talan li pou edisyon vreman eksepsyonèl. Kapasite teknik li, sans detay li genyen, kreyativite li ak enèji li te transfòme SASA! Li pa janm dekouraje devan kantite travay la e li bay tout fòs li, tout angajman san grate tèt ak anpil pasyans pou pwojè a epi pou mwen menm.Yon milyon mèsi pou Sarah Healey ki te leve defi konsepsyon grafik ak mizanpaj SASA! ak anpil kouraj.Li te reyisi kapte kran ak enèji SASA! epi ba yo lavi nan dizay kreyatif li yo. Se Sarah ki te fè tout konsepsyon grafik SASA! nèt pou kont li; ak tout difikilte ki te genyen nan oblije rekòmanse travay li anpil fwa. Mwen di tou 2 yo mèsi enfiniman.

Finalman, mèsi pou tout zanmi m ak fanmi m ki pa t janm bouke tande pawòl SASA! tout lajounen nan zorèy yo (epi ki te byen jantiman sispann mande ki lè li t ap fini!), sitou Judy, Don, Rosella, Celia, Lynn, Connie ak Simonne. Epi, evidaman, Dipak Nakerki te mache pazapa bò kote m sou tout wout la.

Se tout moun sa yo ki nonmen pi wo a, ak yon pakèt lòt ankò ki pa nonmen la a ki fè fòs SASA! Pa kont, tout feblès SASA! yo soti nan mwen menm sèlman.

ˊ

Page 5: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

TradiktèYves Augustin (Evenman Piblik, Ti Koze sou Lasante, Brase Lide sou Feyton)Ronald Bluntschi (Klasifikasyon Resous Kominotè, Gwoup Aksyon Kominotè, Idantifikasyon Aktivis Kominotè)Chantal Lavelanet Lafond (Entwodiksyon) Myriam Narcisse (Teyat, Ti Pale)

Tès nan kominoteRoberto Aloudior, Abenson Avril, Maude Charles, Muller Dauphin, Kamety Mak-Alla Elie, Yvrose Francois, Claudette Hilaire, Fabiola Jean Baptiste, James Jean-Louis, Joane Jean-Louis, Nicole Jean-Pierre, Fabiola Lariveaud, Stephania Katiana Nicaisse, Hector Will-Yves

Adaptasyon DesenAnne-Gaelle Dodard, Marie Mélissa Dodard, Ralph Penel Pierre

Pèsonèl Limyè Lavi ak Beyond BordersMarie Denise Casséus, Petit-Frère Christ-Roy, Guerda L. Constant, Jean Prosper Elie, David Diggs, Daphney Jacques, Brian Stevens, ak tout lòt anplwaye ak aktivis kominotè Limyè Lavi ak Beyond Borders

Mizanpaj ak konsepsyon grafikMarie Jacqueline Margron, Ralph Penel Pierre

EnpresyonGeorge Parnes

KonsiltanOlivier Tardieu

Patenè FinansyeInternational Rescue Committee, ak finansman ki soti nan yon divizyon USAID.

Ekip adaptasyon an konsyan genyen anpil posiblite amelyorasyon toujou nan travay ki fèt deja, e l ap kontinye mache sou wout ekselans nan travay k ap fèt pi devan.

Finalman, yon gwo kout chapo epi mèsi anpil pou Raising Voices ki te kreye SASA!, pou enspirasyon ak ankourajman yo ba nou san rete pandan tout pwosesis adaptasyon sa a.

Ochan pou ekip moun ki fè adaptasyon SASA! pou Ayiti:Metodoloji adaptasyon SASA! pa t rete nan tradui tèks Angle yo an Kreyòl sèlman; li te konprann adaptasyon kilti, filozofi ak reyalite pèp Lafrik de Lès, ki se kote yo te kreye SASA! an premye, pou fè l tonbe daplon ak kilti, filozofi ak reyalite pèp peyi Dayiti. Nan sousi pou yo respekte lide jeneral ak entansyon orijinal SASA! pandan yo pèmèt dokiman sa yo vin byen chita nan kilti Ayisyen natifnatal, ekip adaptasyon an te bezwen repran enpe nan tèks yo pou ba yo kèk kout plim diferan. Yo chanje koulè ak kout kreyon nan desen. Yo te menm rive ajoute yon karaktè an plis nan teyat yo. Siksè adaptasyon sa a te mande yon ekip solid ak plizyè kalite ekspè ladan l plizyè tradiktè, konsiltan kiltirèl, lengwis, militan-aktivis k ap feraye lontan nan koze lit kont vyolans sou fanm, teknisyen SASA! wo nivo ki te fè mizannèv SASA! ann Ougannda, ekip SASA! ann Ayiti, atis Ayisyen, spesyalis nan konsepsyon grafik, spesyalis lasante, travayè sosyal, monpè, oungan, manbo, pastè, ekip sipò (kontab, administratè, mesaje, kizinyèz, menajè, chofè, elatriye...) Yon gwo lonè ak respè pou Sara Siebert ki pote nanm SASA! ann Ayiti e ki leve anpil defi enposib pou pèmèt li konkretize, epi pou Jean Luc "Djalòki" Dessables ki te kowòdone travay la san moli. Yon gwo mèsi pou moun ki te patisipe nan adaptasyon sa a:

sasa! Entwodiksyon | 5

Page 6: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Pale pawòl, fè aksyon ki pou pote moun reflechi.

Tounen yon aktivis.

SASA ! kounye a!

Kreye

Vyolans sou fanm se an menm tan lakòz ak konsekans enfeksyon VIH/SIDA. Pou anpil fanm, vyolans yo sibi mennen enfeksyon VIH/SIDA. Pou lòt fanm, se poutèt yo teste pozitif pou VIH/SIDA yo fè vyolans sou yo. Rezon ki chita nan rasin, ki lakòz pwoblèm sa a se paske fanm ak gason, ti gason ak tifi pa gen menm pouvwa nan sosyete nou an, pouvwa a pa ekilibre egalego ant fanm ak gason. Se yon bagay ki ijan, pou chak grenn moun, ak pou kominote yo kòmanse travay prese prese, san pèdi tan pou yo tabli yon ekilib egalite nan zafè pouvwa ant fanm ak gason.

SASA!, pou nou, vle di panse yon lòt jan sou sa pouvwa ye – pouvwa pa w, pouvwa pa m, pouvwa nou lè nou met ansanm. Nou gen pouvwa pou nou aprann ak pou nou pran konsyans, pou nou apiye lòt moun, pou nou kreye chanjman, pou nou ka vin gen plis sekirite nan kominote nou yo ak pou relasyon nou youn ak lòt andedan kominote nou yo vin pi nòmal ak pou gen mwens okazyon danje ladan yo. Nou gen pouvwa pou nou anpeche vyolans sou fanm ak enfeksyon VIH/SIDA.

SASA! se yon mo nan lang Kiswahili ki vle di kounye a. Se kounye a pou nou anpeche vyolans sou fanm ak koneksyon vyolans la genyen ak VIH/SIDA. Nou chwazi non SASA! a pou li fè nou sonje jan sa ijan pou nou aji. SASA! ofri zouti, gid ak ankourajman pou tout aktivis ak òganizasyon aktivis ki pare pou yo kòmanse yon pwosesis chanjman! SASA!

sasa! Entwodiksyon | 6

Page 7: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Entwodiksyon sou SASA !

Kisa SASA! ye .......................................................................................... 8SASA! konsène pouvwa, vyolans ak VIH/SIDA ........................................ 8SASA! konsène zafè dwa moun ............................................................... 9SASA! se fini ak zafè kase fèy kouvri sa .................................................. 9SASA! se yon moman enspirasyon .......................................................... 10SASA! se repons nou devan yon sitiyasyon ki malerezman egziste ........ 10SASA! se pou aktivis ................................................................................ 11SASA! se yon bagay ki pèsonèl e ki fè moun reflechi .............................. 12SASA! se yon bagay ki pote chanjman nan jan yon kominote fonksyone 13SASA! se mobilizasyon kominotè ............................................................. 13Ki efè abitid andedan yon kominote genyen sou chanjman .................. 14Kouman sasa! aji devan abitid andedan yon kominote .......................... 15Kouman nou ka chanje abitid yo nan zafè pouvwa ............................... 15Kouman nou ka chanje abitid yo lè nou itilize yon apwòch ki baze sou avantaj chanjman ka mennen ............................................................... 16SASA! ak kouman nou ka fasilite chanjman ............................................. 18Chanjman lakay moun .......................................................................... 18Chanjman nan yon kominote ................................................................ 19SASA! kouman pou jwenn angajman tout kominote a .............................. 21Fè tout moun santi yo enplike nan lit la ................................................. 21Kreye yon "mas kritik" ........................................................................... 24Kisa ki nan kit la ak kouman pou sèvi avè l ........................................... 25Aktivite ................................................................................................... 25Estrateji ................................................................................................. 25Kreye "sinèji" ......................................................................................... 27Kouman pou nou òganize ak administre SASA! ....................................... 28Kouman pou nou kreye yon ekip SASA! ................................................... 28Kouman pou nou idantifye ki rezilta nou vle .......................................... 29Kouman pou nou planifye chak faz ....................................................... 31Kouman pou nou fè suivi pwogrè n ap fè yo de prè .............................. 33Kouman pou nou evalye rezilta n jwenn yo ........................................... 35Dènye pawòl ......................................................................................... 36SASA! an rezime ...................................................................................... 38

sasa! Entwodiksyon | 7

Page 8: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

ak VIH/SIDA

SASA ! konsène

pouvwa,vyolans sou fanm

SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi avè l, kouman yo fè abi avè l ak kouman dinamik pouvwa ant fanm ak gason ka chanje nan sans pou lavi vin miyò. SASA! demontre kouman lè nou konprannn pouvwa ak sa li ka fè, sa ka ede nou anpeche vyolans sou fanm ak enfeksyon VIH/SIDA.

Jis jounen jodi a nou asepte abitid andedan kominote nou yo ki ta vle montre gason gen plis valè, plis fòs ak plis pouvwa pase fanm. SASA! vle di mobilize kominote a pou l chanje abitid sa yo, paske yo mennen vyolans sou fanm ak VIH/SIDA. SASA! rekonèt pèson moun pa pi enpòtan, pa gen plis valè pase yon lòt; tout moun gen menm valè devan sosyete a. SASA! montre nou kijan yon pouvwa ekilibre egalego ant fanm ak gason vle di lavi vin pi bèl ak vin gen pi plis lasante pou tout moun.

Pouvwa kapab pozitif oswa negatif. Pouvwa pozitif lè se andedan nou nou santi nou fò, se pouvwa sa a ki pèmèt nou pote kole, kole zepòl ak lòt moun, se pouvwa sa a ki kreye chanjman. Pouvwa negatif vle di lè w ap egzèse pouvwa pa w sou yon lòt moun; moun rich sou moun pòv, sa ki save sou sa ki pa save, oubyen sou baz diferans nan koulè po, kilti, relijyon, kwayans elatriye, e nan pi fò kominote sa vle di gason egzèse pouvwa yo sou fanm. Pouvwa negatif la se yon bagay ki sitèlman kouran nou prèske pa janm poze tèt nou kesyon sou sa.

Byen dè fwa moun panse pouvwa gen limit. Nan sosyete pa nou an jeneral, moun panse sèten moun kapab oswa menm ta dwe gen pouvwa, pandan sèten lòt moun pa ta dwe gen pouvwa. Anpil gason panse, e sa fè yo pè; si fanm vin gen pouvwa, yo menm y ap pèdi pouvwa pa yo. Se yon fason panse ki pa kòrèk. Fanm ak gason kapab, e yo fèt pou yo kapab, sèvi ak pouvwa yo – ki vle di kwè nan sa yo vle, pran pwòp desizyon yo, esprime tèt yo jan yo vle, vin sa yo vle vini nan lavi – depi yo pa fè l nan egzèse pouvwa yo sou lòt moun. Nan chanje dezekilib ki egziste nan pouvwa ant fanm ak gason, nou kapab anpeche vyolans sou fanm ak koneksyon vyolans la genyen ak VIH/SIDA.

SASA !

sasa! Entwodiksyon | 8

Page 9: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

SASA ! konsène zafèdwa moun

SASA ! se fini ak zafè

kase fèy kouvri sa

SASA ! baze sou dwa moun – espesyalman sou dwa fanm antanke moun. Tout sa ki gen nan SASA! fèt nan lide pou garanti dwa fanm genyen pou yo jwenn sekirite ak lasante.

Dwa moun se yon kesyon de jistis. Yo baze sou le fèt ke nou kwè antanke moun, pèson moun pa pi enpòtan pase yon lòt, tout moun gen menm valè devan sosyete a – san diferans sou ki moun yo ye, ki kote yo te fèt, koulè yo, ki mwayen ekonomik yo, si yo fi si yo gason, relijyon yo, laj yo, nivo edikasyon yo oswa sa yo pito nan lavi a. Apwòch SASA! se ke pwoteksyon ak promosyon dwa moun se pa sèlman reskonsablite gouvèlman yo, men tou se reskonsablite chak manm nan kominote a.

SASA! gen yon apwòch pwoaktif - ki vle di aji sou pwoblèm nan davans, anvan menm li manifeste - nan zafè dwa moun nan. Bi li se chanje dezekilib ki genyen nan pouvwa ant fanm ak gason, patikilyèman sou 2 pwen kote yo fè abi sou dwa moun: (1) vyolans sou fanm ak (2) fanm k ap pran VIH/SIDA kòm konsekans vyolans sa a.

Tout gason pa sèvi ak pouvwa yo sou fanm, men genyen ladan yo ki fè l. Yo fè l paske silans kominote a sou sa, se yon fason kominote a di nou dakò, se yon bagay nòmal. Se raman nou mande: Èske vyolans se yon bagay ki aseptab? Èske gason ta dwe sèvi ak pouvwa yo sou fanm? SASA! ankouraje kominote poze tèt yo kesyon sa yo.

Nan travay nou ak nan kominote nou yo, dè fwa nou pale sou vyolans fizik, emosyonèl, seksèl ak vyolans ekonomik sou fanm. Dè fwa tou nou pale sou konsekans vyolans la tankou blese/domaje, depresyon, maladi ak VIH/SIDA. Sepandan se raman nou mande: Pouki tou sa? Poukisa, sa ap fèt?

Vyolans sou fanm avèk pwopagasyon VIH/SIDA pami fanm yo ap ogmante poutèt nou kase-fèy-kouvri-sa, nou fè silans nan kominote nou yo sou dezekilib pouvwa ant fanm ak gason.

Pouki nou kase-fèy-kouvri-sa, pouki nou pe? Èske nou pè sa ki ka rive si nou kòmanse pale sou pouvwa? Èske nou pè dekouvri yon dezekilib nan pouvwa andedan pwòp relasyon nou ant fanm ak gason? Èske se paske nou pa asire sou kijan nou ka pale sou zafè pouvwa? Èske nou santi dezekilib pouvwa nan kominote nou yo ka twò difisil pou chanje? Èske nou santi travay sa a ka sanble li twò radikal – twò difisil, twò lwen kesyon nou ka pale san sa pa kreye pwoblèm andedan kominote yo? Andedan òganizasyon nou yo? Andedan relasyon pèsonèl nou?

Si nou pè tout kesyon sa yo, se yon bagay ki nòmal e ki lejitim – men nou pa ka sèvi ak laperèz yo kòm eskiz pou nou pa fè anyen. Travay sa a se yon defi li ye. Men nou kreye SASA! pou nou kapab gen mwayen pou nou leve defi a.

sasa! Entwodiksyon | 9

Page 10: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

SASA ! se repons nou

egzisteki malerezemandevan yon sitiyasyon

SASA ! se yon moman enspirasyonSASA ! se yon bwèt ki boure prèt pou pete ak lide ladan l – lide ki pou limen enèji nou ak aktivite nou nan travay prevansyon n ap fè kont vyolans ak VIH/SIDA; lide pou ede nou kreye nouvo apwòch konpreyansif pou fè fas a makonnay ki genyen ant vyolans ak VIH/SIDA nan kominote nou yo. SASA! se pa kontinye fè bagay yo mache jan yo te toujou fè depi anvan. Se yon bagay ki ale pi lwen pase met anplas nouvo pwogram pou ankouraje mouvman sosyal pou chanjman. Li vle di brase bil bagay yo, pou nou vin pa santi nou alèz ak sitiyasyon an ankò – paske se sèlman lè nou santi nou deranje, nou kòmanse konsidere jiska ki pwen bagay yo ta ka diferan. Li pwovoke kesyonman, li poze defi, epitou li se yon enspirasyon, pou ou menm ou vin kesyone tèt ou.

Senpman pase ou li entwodiksyon sa a, ou pwouve tèt ou ou se yon moun ki pa chita bwa kwaze devan yon sitiyasyon, ou se yon moun ki aji. SASA! ap montre w tout pouvwa ak tout atou ou deja genyen nan men w pou kreye chanjman – chanjman se pa yon bagay ki ta janm ka sòti nan yon bwèt. Lide sa yo ki genyen nan SASA! ap montre w kijan ou ka sèvi ak pouvwa, epi ak atou sa yo ou ka fè anpil bon bagay. Lide yo fleksib, epitou ou ka adapte yo a travay ou andedan kominote pa w la. SASA! se kapab yon moman enspirasyon, yon zouti pou pwòp aksyon aktivis pa w.

Estatistik yo montre nou nan yon sitiyasyon tèt chaje. Toupatou ann Ayiti sitiyasyon an gravman grav. Kounye a nou konnen anpil fanm ap sibi vyolans epi y ap pran VIH/SIDA. Vyolans sou fanm se alafwa lakòz ak konsekans VIH/SIDA (ale wè nan Enfòmasyon Nou Dwe Konnen pou plis enfòmasyon). Nan anpil peyi, pandan dènye dizèn lane ki sot pase yo, te gen anpil pwogram prevansyon kont VIH/SIDA; epi nan dènye lane sa yo ki sot pase yo, yo te kòmanse ogmante kantite pwogram prevansyon kont vyolans sou fanm. Malgre tou sa vyolans lan pa diminye, an menm tan tou enfeksyon VIH/SIDA ap ogmante pi rèd nan mitan fanm yo. Nou fèt pou nou mande tèt nou, poukisa?

Laverite se ke anpil nan “solisyon” nou yo evite gade kisa ki rasin lakòz vyolans sou fanm ak ogmantasyon ris pou enfeksyon VIH/SIDA: ki se dezekilib ki genyen nan kesyon pouvwa ant fanm ak gason. Epitou, dabitid nou te konn chwazi yon zòn espètiz pou nou aji sou li– nou te chwazi swa vyolans sou fanm oswa VIH/SIDA, men nou te raman chwazi travay sou koneksyon ki egziste antre yo de a. Pa gen solisyon fasil e rapid pou rezoud pwoblèm nan, men genyen de “opòtinite/chans pou fè yon bagay”, nou poko janm itilize pou mennen chanjman nan kominote nou yo. Nou tout ka tounen espè sou 2 kesyon sa yo ak sou kijan yo konekte. Nou tout ka kòmanse pale sou pouvwa.

Pou nou ka suiv apwòch sa a nou fèt pou nou bouche twou nou genyen nan konesans nou ak nan pwogram nou yo. Se la SASA! ka ede nou. SASA! ka ede nou rive pi lwen nan panse nou pou nou kòmanse travay sou nouvo pwoblèm ak nouvo pèspektiv. Nou espere SASA! va ede nou ak kèk lide ak zouti pou yon travay ki va mennen chanjman.

sasa! Entwodiksyon | 10

Page 11: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

SASA ! se pou aktivisOu pa fin klè sou sa mo aktivis la vle di?

Aktivis pa mande okenn fòmasyon, konesans oswa kapasite espesyal. Sa sèlman mande kouraj ak volonte pou pran konsyans, bay sipò w epi pase alaksyon. Gen menm kantite jan pou fè aktivis ke gen moun. Chak moun ap yon aktivis nan jan pa l. Epi se pa yon aktivite ou oblije mennen pou kò w. Antre lespri aktivis la andedan òganizasyon kote w ye a – vin yon “òganizasyon aktivis”. Aktivis pa vle di ou vin yon radikal oswa yon rebèl. Se sèlman yon kesyon de leve vwa w ansanm ak vwa lòt moun nan reklame yon kominote kote lavi vin miyò. Se yon kesyon de pran pozisyon kont enjistis ak viv selon kwayans pa w. Eseye fè l. Eseye fè l nan sèvi ak SASA!

SASA! ankouraje tout moun dekouvri talan aktivis yo genyen lakay yo. Yon aktivis se yon moun ki santi li pwofondeman konsène pa yon pwoblèm – ki konprannn pwoblèm nan, ki analize l e ki santi li oblije fè kichòy pou rezoud pwoblèm sa a. Yon aktivis se yon moun ki “aktif”, yon moun ki kanpe sou 2 pye militè li pou kreye chanjman. Yon aktivis pa wè travay prevansyon vyolans sou fanm ak VIH/SIDA kòm yon djòb li genyen, nevè di maten pou senkè apre midi, men tankou yon misyon pèsonèl li bay tèt li.

Aktivis wè bagay yo an gran. Yo konnen y ap gen pou yo travay lontan avan yo wè chanjman final y ap chèche yo. Yo konnen yo pa ka travay pou kont yo, yo chèche lòt aktivis parèy yo epi yo chèche òganizasyon aktivis. Ansanm yo kreye yon mouvman. Ansanm yo santi yo se yon pati nan yon bagay ki pi gran pase yo, chak moun fè tipa-tipa pou l ka rive jwenn gwo bi li menm ak lòt yo ap pataje a.

Tout moun – e nou vreman vle di TOUT MOUN – kapab e ta dwe vin yon aktivis! Nou pa ka rete kanpe bwa kwaze, pandan gen gwo enjistis k ap fèt sou fanm, pandan fanm pa ka jwenn satisfaksyon dwa moun de baz yo pou yo viv an sekirite e an sante. Aktivis defye sitiyasyon an jan li ye a ke tout moun fè kòmsi li nòmal la. Aktivis yo derefize pou yo asepte enjistis. Yo bay moun nan zalantou yo enèji epi anvi pou yo pase alaksyon!

sasa! Entwodiksyon | 11

Page 12: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

SASA ! se yon bagay ki pèsonèle ki fè moun reflechi

Lè n ap travay sou vyolans sou fanm ak VIH/SIDA, souvan nou pale de “moun sa yo”. SASA! wè bagay yo yon lòt jan. Andedan SASA! nou kòmanse ak pwòp tèt pa nou.

SASA! se pa yon zafè de preche moun; se yon zafè de bay moun anvi pote chanjman nan sosyete a. Poutèt sa, nou chak dwe tounen yon modèl ak yon lidè nan fè chanjman sa a nan pwòp tèt pa nou; anvan nou ka ankouraje lòt moun fè menm jan an. Nou fèt pou nou gen kouraj pou nou kòmanse gade kesyon dezekilib pouvwa nou genyen andedan pwòp relasyon pa nou yo. Se sèlman lè sa a, n a vin kredib epi n a ka ankouraje lòt moun pou fè menm bagay avè nou.

Sa kapab difisil. Lè yon moun sèvi ak pouvwa li sou yon lòt moun, sa se yon enjistis. Lè nou kontre ak enjistis nan vi prive nou sa fè nou santi sèten emosyon. Se yon bon bagay. Emosyon se yon mwayen esansyèl pou pèmèt nou konekte ak yon pwoblèm, sa fè emosyon se yon eleman esansyèl pou mennen chanjman. Chanjman mande nou santi, lè nou devan yon enjistis, ke nou ka konekte avèk li pi fon andedan trip nou, pa tankou se te sèlman yon panse oswa yon konesans.

SASA! kapab vin deranjan pou sèten moun, li ka souke yo yon jan pou fè yo reflechi. Gen de fwa li ka pwovoke tansyon, diskisyon oubyen fè moun pa santi yo alèz nan travay ansanm avèk nou. Sa ka poze nou yon defi epi fòse nou tout fè gwo efò pou nou resi panse yon jan ki nouvo epi diferan. Li kapab fè nou vin fè yon lòt analiz sou ansyen pwoblèm tou ki ka mennen nou konsidere lòt repons diferan. Nan souke moun, SASA! ka fè yo vin pi konsyan de sèten bagay.

sasa! Entwodiksyon | 12

Page 13: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

SASA ! se yon bagayki pote chanjman

fonksyone.nan jan kominote yo

SASA ! sekominotèmobilizasyon

Jan moun fè ak jan yo panse andedan yon kominote, ke kominote a twouve konpòtman sa yo nòmal, epi kominote a atann li aske se konsa manm kominote a aji ak reaji, se sa ki fòme abitid kominote a konsidere kòm nòmal. Bi SASA! se kreye yon kominote kote moun ap twouve li nòmal pou moun viv san vyolans, nan yon sosyete kote pouvwa a ekilibre egalego ant fanm ak gason, kote tout moun gen atant pou yo viv san vyolans, paske andedan kominote sa a, se sa ki konsidere kòm yon fason nòmal pou viv, e l ap vin abityèl. Kalte nouvo mòd abitid kominotè sa yo ap anpeche vyolans fèt sou fanm ak koneksyon vyolans sa a gen ak VIH/SIDA. Chanje abitid yon kominote se yon bagay ki pran anpil tan, men li posib e li fèt plizyè kote, ankò e ankò, atravè listwa. Pi gwo chanjman ki amelyore lavi nan lemonn, se chanjman ki fèt nan abitid kominotè yo.

Ou pa kapab chanje abitid kominotè yo san majorite manm nan kominote a pa swa patisipe nan mouvman SASA!, swa enfòme sou mouvman a. Enplike/mobilize tout yon kominote, se sa nou rele “mobilizasyon kominotè”. Mobilizasyon kominotè ka vle di anpil bagay. Kisa sa vle di nan SASA!? Lè nou di “kominote” nou vle di moun, gwoup ak enstitisyon ki viv kòtakòt e ki dirèkteman oswa endirèkteman konte youn sou lòt. Lè nou di “mobilize” nou vle di founi enèji oswa prepare nou pou nou antre ann aksyon. Lè nou di “mobilizasyon kominotè” nou vle di travay ak moun, gwoup ak enstitisyon... sa pran tan... sa fèt nan diferan fason... pou enspire moun yo, ankouraje yo ak apiye yo nan fè chanjman pozitif andedan vi yo...pou yo ka finalman rive fè yon chanjman nan kominote yo! Tou sa kòmanse kounye a. SASA!

sasa! Entwodiksyon | 13

Page 14: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Ki efè sou chanjman

abitid andedan yon kominote genyen

Apwòch mobilizasyon kominotè a rekonèt ke menm si yon moun fè, oswa eseye fè yon chanjman, li difisil anpil pou moun sa a kenbe chanjman an an plas, a mwens ke li gen sipò moun yo ak anviwonman ozalantou li. Pa egzanp, imajine ou deside pou chanje ki kalte manje ou vle manje. An n di ou vle sispann manje vyann. Si tout fanmi w ak tout vwazinay ou manje vyann chak fwa yo manje, epi yo pase w nan tenten chak fwa w ap manje, paske w pa manje vyann, èske li t ap fasil pou w kenbe chanjman sa a? Si tout boutik ozalantou te vann vyann sèlman, e si w pa t ka jwenn legim, fèy, fwi ak lòt kalte manje, èske li t ap fasil pou w kenbe chanjman sa a?

Yon apwòch mobilizasyon kominotè rekonèt, pou chanjman fèt swa nan nivo yon moun swa nan nivo yon kominote, abitid yo fèt pou yo chanje. Nan egzanp nou sot bay la, sa ta vle di gen lòt moun ki ta chwazi pa manje vyann tou, e ke menm si rès lòt moun yo vle kontinye manje vyann, yo ta respekte desizyon w pou w sispann manje vyann. Yo ta apiye desizyon w e yo p ap ri w. Plantè yo kapab deside plante plis legim ak lòt bagay ou ta ka manje, epi boutik ak machann t ap vann yo. Restoran ta sèvi manje san vyann. Doktè ta kòmanse pale sou avantaj ki genyen nan pa manje vyann. Ki vle di, sa ta vin yon bagay trè nòmal, e abityèl pou yon moun pa manje vyann.

SASA ! Introduction | 14

Souke moun nan lide yo ka mennen chanjman.

.

sasa! Entwodiksyon | 14

Page 15: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Kouman SASA! aji devan abitid andedan yon kominote

Kouman nou ka chanje abitid yo nan zafè pouvwa

Wòl mOun nan sOsyEtE a sElOn yO sE fi OsWa gasOn

Pouvwa

silans

Vyolans

Fanm sipoze montre yo fèb epi dosil, epi gason sipoze montre yo fò, epi se yo k pou kòmande.

Gason gen dwa sèvi ak pouvwa yo sou fanm.

Moun ak kominote a an jeneral kase-fèy-kouvri-sa, yo fè silans sou koze jan gason sèvi avèk pouvwa yo sou fanm.

Yo tolere abi ak agresyon sou fanm epi yo di se fòt moun ki te sibi vyolans lan.

Fanm ak gason ka esprime tèt yo jan yo vle sou menm plan egalite. Tout moun, fanm kou gason, ka santi menm emosyon yo ak jwe menm wòl yo kèlkilanswa yo se fanm oswa gason.

Fanm kou gason gen pouvwa. Youn pa gen pouvwa ki pi fò sou lòt. Pouvwa a pataje andedan relasyon yo, fanmi yo ak andedan kominote a.

Moun pale sou koze jan gason sèvi ak pouvwa yo sou fanm. Vyolans andedan relasyon ant yon fanm ak yon gason pa konsidere kòm yon zafè prive ankò.

Vyolans vin pa aseptab ankò epi sa ki chwazi fè vyolans yo vin gen pou yo rann kont sou zak yo fè.

Abitid negatif ki deja egziste Abitid pozitif ki posib

Nan SASA! bi nou se fè ekilib pouvwa egalego ant fanm ak gason vin yon bagay nòmal, sa ki ta rann yon sosyete san vyolans yon bagay nòmal. Sa ta mete yon pwen final nan koneksyon ki gen ant vyolans sou fanm ak VIH/SIDA. Bi SASA! se fè ke fanm ak gason, fanmi ak vwazen, kwafè ak mèt biznis, ajan sante ak tout moun ki bay laswenyay, lidè relijye ak pèsonalite kiltirèl, lapolis ak reprezantan ofisyèl leta nan lokalite yo; yo tout va santi, vyolans sou fanm ak koneksyon li ak VIH/SIDA se yon bagay ki pa aseptab; e pou tout vin met ansanm pou poze aksyon, piti kou gwo, pou kreye andedan kominote a de relasyon egalego, ki bay sekirite ak kè kontan.

Men kèk egzanp abitid ki deja egziste ak kèk abitid diferan ki posib1:

Si nou vle anpeche vyolans sou fanm, nou dwe chanje abitid ki pèmèt moun ka fè abi ak pouvwa yo. Nou dwe retire abitid ki pote soufrans ak tout kalte domaj, ki peze moun desann, oswa ki enjis; epi ankouraje abitid ki bon pou moun, ki ede moun, ki pote liberasyon ak jistis. Tou sa se pa sèlman nan avantaj fanm men tou nan avantaj gason, timoun, tifi ak ti gason, fanmi yo ak kominote a. Lè gen yon gwoup moun, nan ka sa a se fanm, k ap sibi anba yon lòt gwoup san yo pa gen pouvwa pou yo rive esprime potansyèl yo, se yon malè pou nou tout. Menm jan an tou, lè gason santi yo fèt pou yo toujou ap kòmande, montre pouvwa yo, yo pa ka esprime

tout potansyèl pa yo. Dezekilib nan pouvwa kreye tansyon, dlo si sou lestomak, laperèz, entimidasyon ak vyolans.

SASA! vle pou li fè moun poze tèt yo kesyon sou pouvwa epitou pou yo elaji lide yo genyen de pouvwa.2 Nou tout te viv yon lè yon sitiyasyon kote nou te manke pouvwa nan vi nou – sa te kapab andedan fanmi nou, nan kominote a, kote n ap travay, pandan epòk chire pit andedan yon kominote, oswa lè gen twoub sosyal. SASA! demontre gen diferan fòm pouvwa, kouman nou tout gen kapasite ak reskonsablite pou nou sèvi ak pouvwa nou ak jistis san pa gen abi ki fèt sou okenn moun.

sasa! Entwodiksyon | 15

Page 16: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

chanje abitidavantaj

Nan SASA! nou p ap fasil wè nou sèvi ak mo “genre” sa a, men lide a, fè pati de tout sa ki gen nan SASA!

Mo “genre” lan, lè li te fèk parèt, nan sans yo te sèvi avèk li, se te pou souliye dezekilib pouvwa ki genyen ant fanm ak gason. Mo sa a te sèvi pou rekonèt ke poutèt fason yo leve nou, ak wòl epi lide yo met nan tèt fanm ak gason, vin gen yon diskriminasyon kont fanm nan sosyete a. Moun yo ki te vini ak mo sa a te espere mo “genre” lan ta va ede aktivis ak moun sou teren yo, sonje pou yo pa sèlman sonje mete fanm nan planifikasyon pwogram yo, men tou pou yo aji sou inegalite –dezekilib pouvwa – ant fanm ak gason.

Malerezman, sèjousi nan pratik kontèks devlopman an, mo “genre” lan yo mal konprannn ak mal sèvi anpil avèk li. Yo pratikman pèdi premye entansyon mo a te genyen an, ki te ede fè yon transfòmasyon sosyal. Pou anpil moun jodi a, mo a senpman vle di swa w se fi oswa w se gason. Pou tèt rezon sa a, mo “genre” lan, ak “violence basée sur le genre”, se 2 espresyon n ap raman sèvi avèk yo nan SASA! Nan plas yo n ap pale de pouvwa, pou nou ensiste sou entansyon nou de tounen sou siyifikasyon orijinal mo “genre” sa a –pou nou ka rive enspire travay transfòmasyon ki pou kreye egalite ak jistis ant fanm ak gason.

“genre” lan

Nou konnen se raman moun chanje lè yo santi se fòse y ap fòse yo, oswa ke y ap menase yo. Chanjman fèt lè moun nan wè avantaj ki genyen nan chanjman an – sinon pou ki rezon ak ki motivasyon moun ta jwenn pou yo fè yon bagay yon lòt jan?

Ni pou fanm ni pou gason SASA! evite lonje dwèt ak fè moun wont lè gason ap fè vyolans sou fanm, oswa lè fanm ap viv nan sitiyasyon vyolans, oubyen VIH/SIDA. Apwòch sa a sèlman fè travay nou vin pi difisil. Nan plas li, SASA! eseye repozisyone kesyon pouvwa a an jeneral, ak pouvwa gason sou fanm, nan yon kontèks ki pozitif nan pèspektiv avantaj ki gen nan chanjman. Nan SASA! olye nou sèlman di yon fanm oswa yon gason tout sa ki pa bon nan vyolans ak koneksyon li avèk VIH/SIDA, nou ka fè yo sipriz lè nou di yo tout bon bagay pozitif sou efè non-vyolans ak egalite nan pouvwa.

Pou moun konprann ki avantaj ki gen nan chanjman, nou dwe espesifik nan sa n ap di ak sa n ap fè. Nou fèt pou nou bay egzanp ki kalte avantaj moun ka jwenn nan pwòp vi pa yo. Nan travay nou, nou ka ede manm kominote a wè ki avantaj pratik ki gen nan lavi toulejou lè n ap viv san vyolans ak lè nou kraze makonnay ki genyen ant vyolans ak VIH/SIDA. Men kèk egzanp sou lòt paj la:

(Mo “Genre” kote n ap pale la a, se yon mo Franse ki vle di èske moun nan se fi oswa li se gason)

sasa! Entwodiksyon | 16

Page 17: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Vyolans ak dezekilib nan pouvwa kreye . . .

• Moun manke apresye pwòp valè yo• Blese, domaje, ak movèz sante• Laperèz ki mennen evite pran pozisyon• Estrès• Depresyon ak dezespwa• Ou pèdi chans ou pou w fè sèten bagay

• Ou vin izole nan fanmi w• Divizyon nan fanmi an• Timoun yo vin pè tout bagay

• Timoun yo travay mal lekòl• Koup yo (marye, plase, oubyen menaj) vin

dekonekte youn ak lòt emosyonèlman• Relasyon seksyèl vin fòse e dezagreyab• Youn derespekte lòt• Youn vin rayi lòt ak anpil dlo si sou

lestomak yo• Nou vin izole nan kominote a• Fanmi vin youn ap evite lòt• Byen fanmi a ka vin ap dechèpiye• Resous lajan fanmi a vin ap diminye • Presyon sou kominote a ak sèvis sosyal yo• Fanmi kraze/separasyon• Move modèl konpòtman • Vyolans nan jenerasyon k ap monte a • Kominote a vin pa rekonèt ou ankò• Kominote a vin pè w epi l ap veye w• Plis vyolans ak laperèz • Potansyèl pou VIH/SIDA devlope

Non-vyolans ak ekilib egalego nan pouvwa mennen . . .

• Moun apresye pwòp valè yo• Moun pi an sante nan kò yo ak nan lespri yo• Sekirite ak santi w alèz pou pran pozisyon• Rilaks• Kè kontan ak lespwa• Ou vin genyen anpil chans pou fè anpil

bagay• Fanmi yo vin pi soude• Fanmi yo vin fè yon sèl • Timoun vin fè konfyans epi nou vin pi byen

konekte avèk yo• Timoun yo travay pi byen lekòl• Plis afeksyon ant nonm ak fanm (marye,

plase, oubyen menaj)• Relasyon seksyèl vin yon plezi• Youn respekte lòt• Lanmou ak apresyasyon

• Nou patisipe nan vi kominote a• Fanmi yo kontan pou yo rankontre• Byen fanmi a vin konsève epi y ap vin pi plis• Resous lajan ap vin devlope nan kay la • Pwogrè ak devlopman kominotè• Fanmi rasanble epi yo vin pi sere• Modèl konpòtman pozitif• Kapasite pou rezoud konfli san vyolans• Kominote a asepte w, ba w respè• Ou gen konfyans ak respè nan kominote a• Plis lapè ak sekirite• Plis pwoteksyon kont VIH/SIDA

sasa! Entwodiksyon | 17

Page 18: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Chanjman lakay moun

Chanjman pran tan ak angajman. Se sèlman lè nou idantifye yon pwoblèm nou kòmanse santi bezwen pou nou chanje yon bagay nan vi nou. Dabò nou chèche enfòmasyon epi apre nou chèche jwenn sipò, e se sèlman lè nou santi nou pare nou fè chanjman an epi nou eseye kenbe l. Nan SASA! nou bezwen konprannn kouman moun chanje, konsa nou kapab fasilite yon pwosesis chanjman pou tout kominote a.3 Modèl Etap Chanjman an esplike kouman eksperyans moun chanje.4

Byen ke etap nan pwosesis sa a pa toujou pase youn apre lòt, e nan lòd egzak sa a, nou dekouvri sepandan ke modèl sa a byen dekri pwosesis chanjman an, e li valab pou anpil moun ki genyen diferan fòmasyon e ki sòti nan diferan kilti. Reflechi sou sèten nan chanjman ou menm ou fè andedan lavi pa w. Èske etap sa yo raple w sa w te viv?

EtaP 1: REflEchi aVan

EtaP 2: PRan kOnsyans

EtaP 3: PREPaRasyOn POu PasE alaksyOn

EtaP 4: aksyOn

EtaP 5: kEnbE chanjman an

Moun nan poko wè yon kesyon kòm yon pwoblèm.

Moun nan kòmanse wè kesyon an kòm yon pwoblèm.

Moun nan ap chèche enfòmasyon, sipò ak diferan posiblite pou li fè chanjman an.

Moun nan kòmanse fè chanjman andedan pwòp vi pa l.

Moun nan ap kenbe chanjman an.

sasa !

Etap Chanjman

sasa! Entwodiksyon | 18

Page 19: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Chanjman nan yon kominoteNan SASA! nou kòmanse pa enfliyanse chanjman endividyèl. Nou bezwen moun kòmanse fè chanjman nan pwòp vi pa yo, epi pou yo met ansanm pou yo chanje abitid andedan kominote yo a. Kidonk, SASA! separe an 4 etap baze sou modèl Etap Chanjman an. 4 etap sa yo asire ke manm kominote a ap vreman gide atravè yon pwosesis chanjman.

Mo SASA! pa sèlman yon mo Kiswahili ki vle di “kounye a”. Li se abrevyasyon 4 faz pwosesis la: S pou “Start” ki se “Kòmanse”, A pou “Awareness” ki se “Konsyantizasyon", S pou “Support” ki se “Sipò”, A pou “Action” ki se “Aksyon”.

ENPÒTAN!Fòk nou gen pasyans nan travay nou pandan faz sa yo. Reziste tantasyon pou nou fè vit, oswa pou nou sote, oswa pou nou ta melanje yon faz ak yon lòt. Nan suiv faz sa yo youn pa youn, nou ka fasilite yon pwosesis ki pèmèt veritab chanjman, k ap dire, fèt vreman. Travay nou an p ap yon bagay pou yon ti moman k ap pase mòd nan lavi manm kominote a; l ap chanje vi yo. Men sonje, sa mande pasyans!

aksyOn

kòmansE

kOnsyantizasyOn

siPò

Faz Start/Kòmanse a koresponn a “Reflechi avan”. Ekip SASA! a kòmanse ap reveye ak alimante pouvwa

anndan yo, devan koneksyon ki genyen ant vyolans sou fanm ak VIH/SIDA –nan faz sa a yo adrese yo sèlman a yon ti gwoup moun chwazi nan kominote a, an plis de manm ekip la.

Faz Awareness/Konsyantizasyon an koresponn a “Revèy”. Ekip SASA! a enplike kominote a nan pran konsyans pouvwa

gason gen sou fanm ak sou kijan kase-fèy-kouvri-sa nan kominote a, sou dezekilib nan pouvwa sa a, lakòz vyolans sou fanm ap kontinye ak koneksyon li ak VIH/SIDA.

Faz Sipò a koresponn ak “Preparasyon pou pase a laksyon”. Ekip SASA! enplike kominote a nan ofri sipò yo youn bay lòt

– nan mete pouvwa yo ansanm avèk lòt pou yo fè fas kare ak 2 malè sa yo k ap deboulonnen desann ki se vyolans sou fanm ak VIH/SIDA.

Faz Aksyon an koresponn ak “Aksyon” ak “Kenbe chanjman an”. Ekip SASA! a enplike kominote a nan sèvi ak pouwa yo pou fè

aksyon, nan lide pou nòmalize yon pouvwa pataje egalego ak non-vyolans, ak nan montre avantaj ki gen nan sa, avèk yon rezilta ki se anpeche vyolans sou fanm ak VIH/SIDA.

SASA !

sasa! Entwodiksyon | 19

Page 20: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

ENPÒTAN! Lè n ap sèvi ak SASA!, gen de lè nou pral santi se pa sitèlman sou vyolans sou fanm ak VIH/SIDA n ap pale, tankou se sou pouvwa ak sou kijan moun sèvi ak pouvwa n ap pale. Pa gen pwoblèm nan sa! Li bon! Sa vle di n ap travay sou rasin kesyon an. Enfliyanse abitid kominotè yo konsènan zafè pouvwa a, se sa ki baz SASA!

Faz Kòmanse a konsène “Pran konsyans ak alimante Pouvwa anndan nou”. Pouvwa anndan nou se fòs ki leve andedan nou lè nou rekonèt abi pouvwa e ke nou rekonèt pwòp pouvwa pa nou pou kòmanse yon pwosesis chanjman pozitif. Konpreyansyon sa a pouse nou pou demontre avantaj ki gen nan chanjman ak pèmèt tout kominote a enplike nan chanjman an.

Faz Konsyantizasyon an konsène “konprann kouman gason sèvi ak pouvwa yo sou fanm”. Pouvwa sou zòt se pouvwa yon moun oswa yon gwoup moun itilize pou li kontwole yon lòt moun oswa yon lòt gwoup moun. Se yon pouvwa ki ka itilize dirèkteman sou fòm tout kalte vyolans, tankou vyolans fizik oswa entimidasyon. Li ka sèvi tou endirèkteman, tankou nan kwayans sosyal, enjistis ak aksyon nan lavi toulejou ki ta vle demontre gason siperyè devan fanm. Sèvi ak pouvwa w sou yon lòt moun se yon enjistis. Ankouraje yon ekilib egalego nan pouvwa ant fanm ak gason nan avantaj tout moun.

Faz Sipò a konsène “mete pouvwa pa w ansanm avèk pa lòt moun pou pote sipò w bay lòt.” Pouvwa avèk se pouvwa w santi lè 2 oswa plis moun mete ansanm pou fè yon bagay yon sèl pa ta ka fè pou kò l. Pouvwa avèk vle di tou apiye sa ki nan bezwen yo, sa k ap eseye chanje yo ak sa k ap leve vwa yo. Li vle di tou pou nou mete fòs nou ak nenpòt moun k ap defann yon bagay pozitif, ak pou kreye yon santiman youn ede lòt andedan kominote a. Pouvwa avèk vle di tou pou nou menm tou mande èd ak sipò lè n bezwen.

Faz Aksyon an konsène “sèvi ak Pouvwa nou Pou Kore chanjman pozitif.” Pouvwa pou Kore se kwayans, enèji ak aksyon ke moun ak gwoup moun itilize pou kreye chanjman. Se pouvwa moun santi lè yo kapab jwi tout posiblite dwa moun yo. Pouvwa pou Kore se libète fanm ak gason santi lè yo lib pou yo rive jwenn tout potansyèl yo lè tout abitid ki asepte gason gen pouvwa sou fanm, p ap bloke yo ankò.

SASA !Chak faz nan SASA! prezante yon nouvo konsèp sou pouvwa:

aksyOn

kòmansE

kOnsyantizasyOn

siPò

sasa! Entwodiksyon | 20

Page 21: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Fè tout moun santi yo enplike nan lit la

Pèsonn pa eskli (tout moun ka mande antre) nan SASA! Degre siksè nou depann sou kapasite nou pou nou jwenn ak motive anpil moun ak diferan kategori moun. Angajman kominote a nesesè, paske vyolans nou fè ak vyolans nou sibi gen rasin yo ki al pi lwen lontan pase relasyon pèsonèl nou ak sa k te pase nan lavi nou. Tout moun, depi yon vwazen, an pasan pa yon mèt boutik, rive sou yon doktè oswa yon jounalis lokal, enfliyanse pwòp zak vyolans pa nou ak sa nou sibi yo.

Modèl ekolojik la òganize bagay ki enfliyanse vyolans nou fè sou moun ak sa nou sibi nan 4 sèk youn nan lòt ki santre nan menm pwen an.5 Sèk yo karakterize moun yo ak wòl yo jwe, a kòmanse pa yon grenn moun kòm egzanp.

pou jwenn angajman tout kominote a

Sèk Enfliyans yo

rELAsyonREGLEMAN NASYONAL

LALWA

KoMinoTE

sosyETE

FANMI

MEDYA AKÒ REJYONAL AK ENTÈNASYONAL

PÈSONAJ

zANMI

LIDÈ RELIJYE

PWOFESÈ LEKÒL

MAJISTRA

ONG

ATIS

POLIS

MÈT BIzNIS

GWOUPMAN KOMINOTÈ

LIDÈ KOMINOTÈ

TRAVAYÈ SOSYAL

VWAzEN

PÈSONALITE KILIRÈLPWOFESYONÈL SANTE MAs KriTiKgrEnnMoun

FANM

GASON

sasa! Entwodiksyon | 21

Page 22: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

sOsyEtE

gREnn mOun

RElasyOn

kOminOtE

Jan n elve, kote n sòti ak sa nou viv gen yon enfliyans sou èske nou fè vyolans, ak kijan nou viv vyolans nan vi nou. Pa egzanp, si nou te wè vyolans oswa nou te sibi vyolans lè nou te timoun, nou ka panse vyolans se yon bagay ki aseptab.

Pou SASA!, sa vle di nou bezwen kreye tan ak espas pou nou reflechi, pou pwòp tèt nou ak pou lòt moun, sou pwòp esperyans nou ak sou sa yo te montre nou.

Relasyon pwòch nou ak moun nou ansanm avè l la (madanm, mari oubyen menaj) enfliyanse kijan nou fè vyolans oswa nou viv vyolans. Pa egzanp, si fanmi nou oswa zanmi nou di nou, oswa nan jan yo fè montre nou vyolans se yon bagay ki nòmal, nou ka sèvi ak vyolans nou menm oswa tolere vyolans kòm yon bagay nòmal nan lavi toulejou nou.

Pou SASA!, sa vle di nou bezwen enplike manm kominote yo nan yon refleksyon sou wòl yo kòm paran, vwazen ak fanmi.

Sa nou viv nan kominote a genyen enfliyans sou èske n ap fè vyolans, oswa n ap sibi vyolans. Pa egzanp, si moun k ap bay laswenyay yo pa poze kesyon lè yon fanm blese, e lapolis li menm pa pran vyolans oserye, sa vle di vyolans konsidere kòm yon bagay ki nòmal nan sosyete a, epi p ap janm genyen yon ola ki met nan sa.

Pou SASA!, sa vle di nou bezwen enplike manm kominote yo nan yon refleksyon sou wòl yo nan sèvis y ap bay nan kominote a, kèlkilanswa mèt ti biznis (tankou kwafè, mèt boutik elatrye...), pwofesyonèl ak lidè nan kominote a.

Mès moun pratike, lizay ak estrikti andedan yon sosyete genyen enfliyans pa yo sou èske nou fè vyolans oswa sibi vyolans. Pa egzanp, si medya yo ankouraje vyolans kòm yon mwayen pou rezoud pwoblèm ant fanm ak gason, ak si politik yo ak lwa yo pa pwoteje dwa fanm antanke moun, lè sa a vyolans ap toujou kontinye andedan relasyon fanm ak gason.

Pou SASA!, sa vle di nou bezwen enplike jounalis yo, dirijan ki tabli regleman nan sosyete a, lidè andedan enstitisyon yo ak lidè andedan gouvènman yo nan yon refleksyon sou wòl yo nan kesyon vyolans sa a.

Kidonk, si nou pa enplike tout sèk enfliyans yo nan travay nou an – si nou pa enplike tout yon varyete moun, jèn kou vye, rich ak pòv, fanm ak gason – nou p ap reyisi chanje abitid ki andedan kominote a k ap sitire vyolans sou fanm ak koneksyon li ak VIH/SIDA. Nou fèt pou nou travay ak tout sèk enfliyans yo pou nou ka kreye yon anviwonman ki va apiye nouvo abitid yo.

Sèk Enfliyans yoModèl ekolojik

sasa! Entwodiksyon | 22

Page 23: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Nan SASA! nou sèvi ak espresyon “manm kominote” oubyen "moun nan kominote a" pou di TOUT moun andedan yon kominote. Pou nou yon kominote se yon gwoup moun k ap viv kòtakòt e ki nan lavi a konte youn sou lòt dirèkteman oswa endirèkteman. Nan SASA! lè nou di “manm kominote a” oubyen "moun nan kominote a" nou vle di fanm ak gason, jèn moun, moun ki bay kominote a sèvis li bezwen tankou moun ki bay laswenyay yo, lapolis, oswa nenpòt ki sèvis nan kominote a, lidè relijye oswa pèsonalite kiltirèl yo, ofisyèl gouvènman lokal yo, pwofesè yo, pèsonèl ONG yo, mèt biznis yo ak tout moun ki nan lari a ak moun ki viv nan diferan katye andedan kominote a. Chak moun ki andedan kominote a gen yon wòl pou l jwe nan SASA!.

Gason pa kanpe sou kote nan SASA! Yo nan mitan – yo kanpe kòtakòt ak fanm. Nan SASA! Nou pa espesyalman pale de “met gason ladan l” paske pou nou fanm ak gason entegralman fè pati pwosesis la ann antye. Menm jan pandan anpil lane efò nou pou anpeche vyolans te fokis sèlman sou fanm, jodi a gen efò ki fokis sèlman sou gason. Nan SASA! nou kwè mobilizasyon kominotè mande patisipasyon tout moun ki nan kominote a. Byen ke dè fwa nou ka rekòmande aktivite ki swa sèlman pou fanm oswa sèlman pou gason, nou kwè nou fèt pou nou fè tout moun santi yo konsène, si nou vle chanje abitid yo. SASA! vle fanm kou gason santi yo natirèlman konsène ansanm nan kesyon an. Kidonk, SASA! p ap pale espesyalman de gason, pase gason ladan l toupatou – nan tout etap yo.

Sonje gen kèk gason ki kapab fè anpil rezistans e ki p ap vle ni konsidere ni kwè nan avantaj ki ka genyen nan ekilibre pouvwa egalego andedan relasyon fanm ak gason. Alòske sèten nan gason sa yo vreman p ap chanje, gen lòt k ap sèlman bezwen nou pèsevere ak chèche diferan apwòch pou nou ka konvenk yo.

Nan SASA!, lè nou di “fanm ak gason” nou vle di, fanm ak gason kelkilanswa laj yo, ki vle di tou tifi ak ti gason - Ke yo marye ou pa, ke yo lekòl ou pa. SASA! fèt osibyen pou jèn moun ke pou granmoun yo. Jèn yo an fèt sibi vyolans sou fanm, menm jan oswa menm soufri plis nan vyolans ki fèt sou fanm ak koneksyon vyolans la ak VIH/SIDA. Jèn yo gade sou granmoun yo kòm modèl sou kijan pou yo viv. Jèn yo bezwen aprann nan men granmoun yo, apiye yo, poze aksyon ak aprann chanje tou kòtakòt ak granmoun yo andedan kominote yo. Enplike jèn yo nan pwogram andedan lekòl yo. Pale ak granmoun yo sou kijan chwa yo fè yo menm nan lavi pa yo genyen yon efè sou lavi pitit yo.

sasa! Entwodiksyon | 23

Page 24: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Kreye yon "Mas kritik" (Mas kritik la se kantite ak pozisyon moun ki enplike

nan mouvman an k ap pèmèt chanjman an fèt nan tout kominote a nèt.)

Lè nou sèvi ak modèl ekolojik la, pou nou fè prevansyon, sa pèmèt nou idantifye ak reyalize kisa ki enfliyanse e ki efè enfliyans sa yo genyen sou kwayans nou ak konpòtman nou antanke moun. Konprann Sèk Enfliyans yo pèmèt nou wè si nou enplike sèlman sèten moun oswa kategori moun nan pami manm nan kominote a, sa p ap kont pou pèmèt nou chanje abitid yo andedan kominote a, e ke sa p ap kont non plis pou kenbe chanjman andedan ni moun yo, ni kominote a.

Pou SASA!, yon mas kritik, se lè gen sitèlman moun, tout divès kalte moun, ki soti nan tout sèk enfliyans yo ki fè lè yo met ansanm yo kapab kreye chanjman abitid k ap dire nan kominote a.

Enplike yon mas kritik vle di, lè nou rive nan faz final SASA! a, pou chak manm nan kominote a nou resi enplike, nou resi an menm tan touche anpil lòt moun ki gen enfliyans sou lavi moun sa a – tankou fanmi li ak zanmi li, gwoup sosyal yo, enstitisyon piblik yo, sèvis pwofesyonèl yo, e menm a la fen, de enfliyans ki rive byen lwen tankou medya ak moun k ap pran desizyon politik yo. Men pa bliye, rezilta sa a ap vini tipa tipa, yon faz alafwa:

Aksyon

Kòmanse

Konsyantizasyon

Sipò

Nan faz Kòmanse a n ap idantifye moun kle yo andedan tout sèk enfliyans yo pou enplike yo bonè nan premye etap SASA! yo.

Nan faz Konsyantizasyon an n ap kòmanse ranfòse konsyans moun yo nan tout sèk enfliyans yo, pou enspire yo pou yo pale sou sa nan tout rakwen nan kominote a.

Nan faz Sipò a, n ap enplike ankò plis moun nan tout sèk enfliyans yo epi n ap kòmanse ranfòse kapasite yo nan zafè youn apiye lòt. Lè sa a n ap wè kouman tout moun sa yo, tout gwoup ak enstitisyon sa yo ap konekte youn ak lòt pou yo vin tounen yon fòs ki ka kreye chanjman.

Nan faz Aksyon an n ap enplike plis moun toujou pase avan ki soti nan tout sèk enfliyans yo jiskaske nou vin kreye yon MAS KRITIK pou chanje abitid kominote a.

Reflechi sou egzanp nou te bay nan paj 14 lè nou t ap pale de sispann manje vyann. Sonje kijan w te bezwen sipò tout yon anviwonman pou ede w fè ak kenbe chanjman sa a. Nou bezwen anpil moun ak divès kalte gwoup moun ak enstitisyon nan divès aktivite nan kominote a pou nou kreye chanjman. Se sèlman lè sa a nou va genyen ase moun ki reflechi sou chanjman an, ak ki fè aksyon ki pou mennen chanjman pou tabli nouvo abitid yo. Sa nou rele “ase moun” se sa yo rele “mas kritik”.

sasa! Entwodiksyon | 24

Page 25: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Aktivite Kit aktivis SASA! a PLEN ak aktivite pou chak faz SASA!

Nan SASA!, Nou rekonèt chak moun, chak gwoup moun oswa chak enstitisyon bezwen pou yo abòde l nan jan pa l. Pa egzanp jèn gason ka pito ti komik ak diskisyon ant yo menm, pandan fanm ki pi granmoun pase yo ka pito teyat ak chita pale sou lasante. Pou nou resi enplike tout sèk enfliyans yo ak divès kalte moun andedan yo, nou bezwen divès kalte aktivite.

Faz pa faz, aktivite sa yo ap pèmèt nou akonpaye manm kominote yo nan pwosesis chanjman an – dabò nan fè yo pran konsyans sou pwoblèm yo, ankouraje yo pou youn apiye lòt nan pwosesis la, epi finalman enspire moun yo fè chanjman ak kenbe chanjman yo. Aktivite yo nan chak faz yo fokis sou sa manm kominote a bezwen viv kòm eksperyans, nan faz sa a, epi tou pou yo kòmanse konprann konsèp pouvwa ki koresponn a faz sa a (gade paj 20). Ki vle di, menm si mòd aktivite yo (pa egzanp, teyat, lide pou istwa, konvèsasyon nan kominote a, elatriye...) kapab pa chanje firanmezi n ap travèse faz yo, nannan aktivite yo li menm ap chanje nan chak faz.

Estrateji Pou fè travay nou pi fasil, nou òganize aktivite yo andedan chak faz sou fòm 4 estrateji – konsa nou p ap genyen pou nou triye nan yon gwo pil aktivite ki posib, kilès aktivite k ap pi itil pou faz sa a. N ap wè chak estrateji vize yon tip moun an patikilye, epi yo sèvi ak yon tip aktivite.

Nan reflechi sou aktivite SASA! estrateji sa yo ap ede n òganize travay nou nan yon fason sistematik – pase sa va pèmèt nou wè kantite fason ki genyen pou enplike divès kalte moun. Sèvi ak estrateji sa yo ap pèmèt nou estratejikman mobilize yon mas kritik ak enfliyanse chanjman nan abitid kominote a. Men divès estrateji yo:

sasa !

sasa! Entwodiksyon | 25

Page 26: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

SASA !Estrateji

Sèvi ak kreyativite ak amizman ki gen nan materyèl yo tankou postè ak ti komik pou enterese moun yo pandan y ap mennen aktivite lavi yo, oswa pou estimile brase lide, koze ak pawòl ak gwoup ki deja òganize. Lè n sèvi ak sèten nan Materyèl Kominikasyon ki koresponn ak faz sa a nan SASA!, nou kapab vini ak nouvo lide, ak bay moun yo okazyon pou yo panse yon lòt fason nan sèvi ak materyèl ki itilize imaj, mo ak istwa. Nou menm, nou ka sèvi ak materyèl sa yo pou atire atansyon moun oswa lè n ap travay ak gwoup kominotè, gwoup pwofesyonèl ak enstitisyon. Materyèl Kominikasyon pi itil pou atenn sèk enfliyans grenn moun, relasyon ak kominote nan Modèl Ekolojik la.

Ranfòse konpreyansyon moun sou pwoblèm yo nan fè egzèsis, ak mennen aktivite ki oblije moun yo panse ak reyaji – patikilyèman nan fòmasyon espesyal pou travayè lasante, moun ki bay laswenyay yo. Lè n sèvi ak sèten nan aktivite Fòmasyon ki koresponn ak faz SASA! sa a, nou kapab enterese tout kalte manm nan kominote a nan aprann nouvo bagay –kòmanse sou tinedjè ak jèn ki pa lekòl yo, rive sou fanm, gason, ofisye polis ak lidè kominotè yo – konsa nou ka ogmante konesans yo ak kapasite yo sou kisa vyolans sou fanm reprezante, sou VIH/SIDA, sou abitid pouvwa ak sou avantaj chanjman. Fòmasyon an pi itil pou atenn sèk enfliyans grenn moun, relasyon ak kominote nan Modèl Ekolojik la.

matERyèl kOminikasyOn

aktiVis lOkal

mEdya ak PlEdWayE

Kreye “aktivis natirèl” nan enplike fanm, gason ak jèn moun nan aktivite ki kreyatif e ki enteresan. Nan sèvi ak kèk nan aktivite pou Aktivis Lokal yo nan chak faz SASA!, nou ka mobilize fanm, gason ak jèn yo andedan tout kominote a – keseswa manman, papa, pitit (fi kou gason), moun ki konn fè cheve ak mèt boutik kèlkilanswa aktivite yo. Aktivis Lokal pi itil pou atenn sèk enfliyans grenn moun, relasyon ak kominote nan Modèl Ekolojik la.

Gaye nouvèl k ap fè moun pran konsyans sou evenman k ap pase ak istwa nou tande sou radyo, nan jounal ak nan biwo lidè yo ak sa k ap pran desizyon yo – konsa n a leve vwa nou byen wo pou lide nou yo nan SASA! Lè nou sèvi ak kèk nan aktivite pou Medya ak Pledwaye ki koresponn ak faz sa a nan SASA!, nou kapab asire n ke prezantasyon ak dokimantasyon yo nan medya yo ap gen nannan ak anpil bagay ki ka verifye, ki pral resi jwenn piblik la an patikilye lidè yo, pwofesyonèl yo ak sa k ap deside sou politik yo. Medya ak Pledwaye pi itil pou atenn sèk enfliyans kominote ak sosyete nan Modèl Ekolojik la.

fòmasyOn

sasa! Entwodiksyon | 26

Page 27: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Kreye yon Sinèji

Nan sèvi ak tout estrateji yo nan tout faz yo, n ap fin pa touche divès kalte manm andedan kominote a. E sa ki enpòtan anpil, n ap touche manm sa yo tou, pa sèlman pou tèt pa yo men tou nan wòl yo jwe andedan kominote yo a, sa ap miltipliye efè lide SASA! yo andedan kominote a. Pa egzanp, yon fanm te kapab rankontre lide SASA! nan aktivite ak materyèl nan travay li, epi pandan yon reyinyon nan gwoup fanm yo nan kominote a li jwenn menm lide sa yo, epi ankò pandan l ap fè cheve l. Li ka tande pale de SASA! nan bouch mari li ki te jwenn kèk materyèl SASA! nan ba kote l te pase a, oswa nan men yon zanmi li ki te fè pati de yon fòmasyon pou moun k ap bay laswenyay. Imajine n kantite moun k ap fè mòd eksperyans sa yo nan rankontre ak lide SASA!, sa vle di anpil moun ap pale sou nouvo lide, ke anpil moun ak gwoup moun ap konsidere, apiye ak reyaji sou lide SASA! yo. Lè n met ansanm tout eksperyans ak aksyon sa yo, yo vin gen plis sans ak plis fòs. Se reyaksyon sa a yo rele sinèji. Sinèji ede nou enfliyanse ak chanje abitid yo andedan yon kominote.

( Kouman pou fè tout bagay ale nan menm sans pou youn edelòt pou rive nan menm rezilta yo.)

sasa! Entwodiksyon | 27

Page 28: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

kreye yon ekip SASA ! Kouman pou nou

N ap jwenn modèl fòmilè ak enfòmasyon detaye pou planifye, ak egzèsis pou siveye,evalye rezilta yo nan ti liv enfòmasyon SASA! ki rele (Vin Maton nan SASA!). Enfòmasyon espesifik pou gide chak faz yo; n ap jwenn yo nan chak Revizyon faz yo.

Pou fasilite apwòch mobilizasyon kominotè nan jan SASA! fè li, nou pral bezwen yon ekip SASA!. Ekip SASA! a se yon gwoup anplwaye ak manm nan kominote a k ap reskonsab pou planifye ak òganize aktivite yo avan chak faz. Epitou se yo ki pral fasilite, siveye ak evalye tout aktivite yo pandan chak faz yo. Apwòch SASA! a enspire epi li bay mwayen pou divès kalte moun, gwoup ak enstitisyon vin tounen aktivis pou kont pa yo epi pou yo ka vin manm ekip SASA! a tou. Nan jan sa a òganizasyon pa w la ap vin kenbe wòl yon kowòdonatè, yon asosye olye pou se li k ap pran reskonsablite pou l kondi chak aktivite. Tankou nou pale l deja, apwòch SASA! a mache pi byen lè nou mennen l youn a lòt, vwazen ak vwazen, kòlèg ak kòlèg. Sa bay SASA! rasin li nan eksperyans pataje andedan yon kominote et sa pèmèt manm nan kominote a dirije ak kenbe chanjman yo andedan pwòp kominote pa yo. Ekip SASA! a ap kontinye grandi firanmezi faz yo ap deplwaye, gwoup nannan an fèt pou li tabli depi nan faz Kòmanse a. Travay ann ekip la ap yon bèl eksperyans k ap anrichi tout moun. Travay ak plezi epi fete tout sa nou reyisi fè ansanm – toujou sonje nou tout se manm menm kominote a!

Men kèk lide pou nou kreye yon ekip SASA!:

Manm yoNan pami manm yo nou fèt pou nou genyen reprezantan tout gwoup sa yo:

• Pèsonèl òganizasyon pa nou an.

• Aktivis nan Kominote a (pa egzanp, manm ki fòme gwoup nannan aktivis nou yo) nou te seleksyone selon pwosesis idantifikasyon aktivis kominotè yo (Aktivis Lokal, Faz Kòmanse)

• Reprezantan enstitisyon kle tankou: travayè lasante, ofisye polis, lidè relijye, pwofesè, elatriye... ke nou te prevwa pou travay avèk yo, ke nou te idantifye lè nou t ap fè kat klasifikasyon resous kominotè yo, ak lè nou t ap kreye gwoup aktivis kominotè yo (Aktivis Lokal, faz Kòmanse)

• Lidè kominotè, ofisyèl ak jounalis ki deja ap pale sou pwoblèm nou te deja idantifye, nan aktivite nou te mennen lè nou t ap kòmanse aktivite sou Medya ak Pledwaye (Medya ak Pledwaye, Faz Kòmanse)

• Reprezantan nenpòt lòt gwoup enpòtan ki ta ka vle patisipe nan aktivite SASA!

ak administre SASA !

sasa! Entwodiksyon | 28

Page 29: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Kouman pou n idantifye

ki rezilta nou vle

Lidè yoNou ka chwazi pou se sèten moun ki nan ekip SASA! a, se yo ki sèvi kòm lidè, ki va sèvi kòm kontak ak sipò pou tout lòt manm nan ekip la.

Kolaborasyon ak lòt òganizasyonNou ka chwazi pou nou kolabore ak lòt òganizasyon pou kreye yon ekip SASA!. Yon òganizasyon, pa egzanp, kapab fò nan Aktivis Lokal, pandan yon lòt fò nan Medya ak Pledwaye. 2 òganizasyon sa yo ansanm kapab fasilite travay la pou SASA! epi ansanm yo ka mobilize kominote a.

Ekip EstratejiKèlkilanswa jan nou deside travay ak SASA! nou sijere ke andedan ekip SASA! a gen yon separasyon nan divès reskonsablite andedan ekip estrateji yo. Chak Ekip Estrateji ta fèt pou l genyen ansanm pwòp pèsonèl li ak manm kominote pa li ki yo sèl reskonsab pou yon sèl nan estrateji SASA! yo. (Pa egzanp, Aktivis Lokal, Medya ak Pledwaye, Materyèl Kominikasyon, Fòmasyon).

Pou nou ka vin de aktivis efikas fòk nou ka konn rekonèt lè nou reyisi. Si nou pa konnen a klè ki rezilta n ap tann, ekip SASA! a p ap kapab pran bon desizyon firanmezi pwogram nan ap vanse, pou li ka jere aktivite l yo, tan li, moun li yo ak depans li yo.

Nan Rezime chak Faz SASA! n ap jwenn yon lis detaye sou rezilta nou ta dwe jwenn pou faz sa a. Rezilta sa yo se sèlman yon kòmansman. Travay ak ekip SASA! a pou nou ajiste rezilta nou ta vle jwenn yo oswa menm ajoute lòt rezilta selon sa nou vle pou kominote pa nou an. N ap genyen pou nou idantifye a klè ki rezilta espesifik nou vle jwenn pou chak faz. Ekip SASA! a ap bezwen pou li regilyèman regade rezilta yo ak poze tèt li kesyon: èske nou jwenn rezilta n ap chèche yo? Ou byen èske nou ta dwe chanje metòd nou yo? Yo te kreye egzèsis

sasa! Entwodiksyon | 29

Page 30: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

evalyasyon espesyalman pou ede nou fè travay sa a.

An jeneral SASA! fèt pou l pwodui rezilta nan 4 bagay:

kOnEsans

kWayans

kOnPEtans

kOnPòtman

Konesans = Ki enfòmasyon reyèl moun nan genyen • Nan faz Kòmanse a, rezilta yo dwe genyen ladan yo konesans ekip SASA!

a akimile pandan li t ap planifye ak fasilite SASA!• Nan faz Konsyantizasyon an, rezilta yo dwe genyen ladan yo konesans

manm kominote a akimile sou vyolans sou fanm, VIH/SIDA ak dezekilib nan pouvwa ki genyen ant fanm ak gason.

Kwayans = sa moun kwè ak sa yo santi• Nan faz Kòmanse a, rezilta yo dwe genyen ladan yo ki valè chanjman ki

fèt nan manm ekip SASA! a apre yo fin konsidere lide SASA! yo konsènan pwòp vi pa yo ak sa k ap pase andedan relasyon yo ak lòt moun.

• Nan faz Konsyantizasyon an, rezilta yo dwe gen ladan yo ki valè chanjman ki fèt nan kwayans manm kominote a apre yo fin konsidere konsèp ki te prezante nan Aktivite Faz Konsyantizasyon SASA! yo.

Konpetans = sa moun yo konn fè byen• Nan faz Sipò a, rezilta yo dwe genyen ladan yo konpetans manm

yo devlope ak jan yo aprann sèvi avèk yo nan bay sipò youn a lòt, epitou nan reyaksyon yo fas a pouvwa, vyolans sou fanm ak VIH/SIDA andedan kominote yo a.

Konpòtman = Jan moun chwazi pou yo aji • Nan faz Aksyon an, rezilta yo dwe genyen ladan yo ki konpòtman manm

kominote a montre nan fè chanjman pozitif andedan relasyon pèsonèl yo youn ak lòt, ak chanjman ki fèt andedan kominote a an jeneral.

SASA !

sasa! Entwodiksyon | 30

Page 31: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Kouman pou n

planifye chak faz Konesans, Kwayans, Konpetans ak Konpòtman:

Rezilta n ap tann pou chak faz yo, nou ka jwenn yo nan diferan fason. Aktivite nou pral chwazi pou nou jwenn rezilta sa yo pral depann de kapasite ekip SASA!, de kominote a, ak de sa bidjè nou ye nan pami anpil lòt bagay. Lè nou planifye davans, sa pèmèt nou chwazi apre n fin reflechi ki aktivite k ap bay pi bon rezilta nou vle jwenn pou kominote nou an. Planifikasyon ap pèmèt tou ke manm ekip la rete motive, byen fokis sou sa y ap fè epi tou ke yo travay ak kè kontan.

Pou planifikasyon, nou rekòmande pou nou fè sa k pral di pi ba nan tèks la, nan kòmansman chak faz:

1. Chwazi rezilta nou vle jwenn ak aktivite ki gen sans pou faz sa a. Chak faz gen ladan l yon lis detaye rezilta nou vle jwenn. Modifye oswa chanje rezilta sa yo baze sou priyorite ekip la gen pou SASA! nan kominote pa nou an. Apre sa chwazi aktivite yo nan pami 4 estrateji SASA! yo, ak nenpòt ki lòt estrateji nou menm nou wè k ap ede nou jwenn rezilta nou bezwen yo.

2. sèvi ak konsiderasyon ki pi ba yo pou amelyore lis aktivite nou an: Modèl Ekolojik la: Gade Modèl Ekolojik la byen epi ajoute oswa retire kèk aktivite nan sa nou te chwazi yo pou nou asire nou ke nou byen kouvri tout sèk enfliyans ki nan Modèl la.

Konsiderasyon sou kominote a: gade yon lòt fwa ankò tout karakteristik espesyal kominote nou an, epi ajoute oswa retire kèk aktivite nan sa nou te chwazi yo pou asire nou ke aktivite yo apwopriye pou kominote a (ale wè sa ki ekri nan kare tèks paj 32).

Konsiderasyon sou Resous: Revize resous òganizasyon nou an pou fasilite SASA! (Pa egzanp, resous moun ak lajan) epi ajoute oswa retire sèten nan aktivite nou te chwazi yo pou asire nou ke nou gen mwayen pou nou mennen aktivite nou yo (ale wè sa ki ekri nan kare tèks paj 32).

3. Ekri tout sa nou bezwen nan plan nou. Lè nou dokimante plan yo, sa asire bon kominikasyon andedan ekip SASA! a epi sa ba nou tou yon chans pou nou asire nou, nou pa te bliye anyen. Chak faz gen ladan l fòmilè tou pare ki fasil pou sèvi pou fè travay la nan Plan Pou Faz yo ak Plan Pou Estrateji SASA! yo.

• Plan Pou Faz yo founi yon rezime jeneral pou tout aktivite ki planifye pou chak faz – ladan l n ap jwenn tou rezilta n ap tann yo, estrateji, sèk enfliyans yo, moun ki reskonsab yo ak ki valè moun nou panse nou ka touche pou chak aktivite. Kreye Plan Pou Faz sa a ak manm kle nan ekip SASA! a, fè fotokopi ak distribye plan an (fè sa tou pou nenpòt vèsyon plan an nou ta revize) epi distribye l bay tout manm ekip la.

• Plan pou Estrateji sanble ak Plan pou Faz yo, e li fèt pou ede chak ekip estrateji òganize aktivite l yo ak plis detay. Plan Pou Estrateji yo bay yon esplikasyon detaye pou chak aktivite – ki gen ladan l: dat, lè, ki kote, materyèl, aranjman ak lòt detay.

• N ap jwenn enstriksyon detaye ak kopi Plan Pou Faz ak Estrateji yo nan Vin Maton nan SASA!

sasa! Entwodiksyon | 31

Page 32: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Konsiderasyon sou Resous Men kèk egzanp sou kijan karakteristik kominote pa nou an ak resous moun nou ak resous lajan nou kapab enfliyanse planifikasyon nou nan tout etap SASA! yo.

Konsiderasyon sou Kominote Egzanp AdaptasyonPozisyon jewografik (pa egzanp, lavil oswa zòn riral, nan ki sezon)

Si yon kominote nan yon zòn riral kote moun yo travay nan jaden, nou ka chwazi pou nou fè aktivite nou yo nan apremidi, lè moun yo sot nan jaden; ou byen tou nou ka chwazi fè aktivite fòmasyon andedan kay pandan sezon gwo lapli.

Demografi

(pa egzanp, kategori moun nan popilasyon an selon laj yo oswa selon yo se fi oswa gason)

Si yon kominote gen anpil jèn fanm ak jèn gason ki genyen ant 15 ak 20 lane, ekip SASA! a ka chwazi pou l sèvi ak plis Ti Komik ak Teyat nan kominote a pou yo simaye lide SASA! yo. Yo ka deside an plis pou yo kreye lòt aktivite ki pi apwopriye pou lekòl ak lòt kote jèn yo renmen rasanble.

Enfrastrikti

(pa egzanp, ki kote ki gen espas piblik ki disponib pou rankont yo, èske gen kouran, elatriye...)

Si espas la limite nan yon kominote oswa si nou pa jwenn pèmisyon pou nou fè gwo reyinyon piblik, ekip SASA! a gen dwa chwazi fè reyinyon gwoup pou pale sou istwa nan televizyon oswa pou travay de prè ak gwoup aktif ki pi piti.

Evenman resan

(Pa egzanp, yon kriz oswa yon selebrasyon ki pral enfliyanse manm kominote a nan atitid yo ak reseptivite yo fas a SASA!)

Si te fèk gen yon kriz nan kominote a ki te gen pou wè ak vyolans sou fanm oswa VIH/SIDA, ekip SASA! ka chwazi pou li fè yon chita pale espesyalman sou sa pou nou ka pataje panse nou ak emosyon nou sou evenman sa a.

Resous moun

(Pa egzanp, konbyen moun ki nan staf la oswa konbyen aktivis k ap travay avèk nou)

Si pa gen anpil staf oswa aktivis, ekip SASA! a ka chwazi aktivite k ap touche plis moun ak mwens fasilitatè, epi ekip la ka chwazi pou l fokis sou aktivite k ap kapab ede nou jwenn plis fanm ak gason nan tout sektè ki ta vle vin fè pati de travay SASA! a (pa egzanp, nan Gwoup Aktivis Kominotè yo).

Resous Lajan

(Pa egzanp, bidjè ak kapasite pou jwenn lòt lajan pou kòz la)

Si resous lajan yo limite, ekip SASA! a ka chwazi pou li fè fotokopi an nwa e blan pou Ti Komik yo olye l al bay fè yo an koulè kay yon pwofesyonèl.

sasa! Entwodiksyon | 32

Page 33: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Kouman pou nou fè suivi

de prèPwogrè n ap fè yoTankou nou te di l deja, mobilizasyon kominotè pran tan. Travay nou kòm aktivis ak òganizasyon aktivis, mande anpil pèsistans ak pasyans. Suivi a pèmèt nou suiv pwogrè n ap fè firanmezi tan ap pase. Sa pèmèt nou tou dokimante kisa nou fè, ak idantifye tou ki kote pou nou ranfòse aktivite nou ak ogmante reyisit nou firanmezi n ap vanse nan 4

faz SASA! yo.

Aktivite suivi yo pèmèt nou kolekte prèv sou ki inisyativ SASA! te mennen, epi tou reflechi ak aprann leson aktivite sa yo te montre nou - Sa pral ogmante krediblite nou nan sa n ap fè yo, nan je ekip SASA! a, nan je kominote a, ak nan je sa k ap apiye ak finanse travay nou an. Yon suivi regilye pèmèt nou demontre ki pwogrè nou fè ak ki kantite moun nou touche yon fason ki pwofesyonèl epi ki san pati-pri.

Pou suivi nou rekòmande pou nou suiv sa k pi ba yo nan chak faz SASA!:

1. Fè reyinyon pou nou suiv sa k ap fètRankontre chak semèn oswa 2 fwa pa mwa ak ekip SASA! a (oswa reprezantan nou chwazi si se yon gwo ekip). Sèvi ak reyinyon sa yo pou nou revize reyisit nou ak leson nou aprann de aktivite sa yo ki te fèt depi dènye reyinyon an. Konsidere ki chanjman nou ka bezwen fè nan planifikasyon nou. Sèvi ak tan sa a pou nou reflechi ak rezoud pwoblèm nou ann ekip. Ekri tout aksyon nou deside pou nou fè ak ki moun ki reskonsab pou chak aksyon. Revize tout bagay sa yo nan kòmansman chak reyinyon.

2. ranpli Fòm rapò Aktivite Kominotè yo regilyèman. Apre chak aktivite, manm nan ekip SASA! a ki te fasilite aktivite a dwe ranpli yon Fòm Rapò Aktivite Kominotè. Nan fòmilè sa a n ap jwenn tout detay sou aktivite a: ki moun ki te la, konbyen moun ki te la, kisa ki te byen pase, defi nou te jwenn ak lesson n aprann ki ka itil nou pou lòt aktivite pi devan.

sasa! Entwodiksyon | 33

Page 34: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

3. Zouti rezilta Aktivite. zouti sa a ki ase senp, fèt pou li ede nou veye ak suiv enpak aktivite SASA! yo. zouti sa a sèvi ak pawòl ki montre rezilta kle SASA! jwenn nan kominote a sou kesyon pouvwa, vyolans sou fanm ak VIH/SIDA; nan chak nan 4 kategori rezilta yo: Konesans, Kwayans, Konpetans ak Konpòtman. zouti sa a ap pèmèt ekip SASA! a suiv sou yon koub grafik ki degre rezistans oswa akseptasyon lide SASA! yo jwenn andedan kominote a. Nou ka fè yon rezime enfòmasyon sa a chak mwa (oswa pou chak faz depandan de kapasite òganizasyon an) ki va pèmèt nou gen yon lide jeneral sou sitiyasyon an, sa ki va pèmèt nou tou suiv firanmezi tout chanjman ki fèt nan kominote a. Aprann plis sou zouti sa a nan Vin Maton nan SASA!

4. Fè yon reyinyon chak 3 mwa.Rasanble ekip SASA! a ann antye nan fen chak trimès pou fè bagay sa yo:

• Mande lidè yo nan pami manm ekip SASA! a pou yo prezante yon vi jeneral sou aktivite kle yo, defi yo ak ki degre yo te santi moun yo te asepte oswa reziste a lide SASA! yo, pandan trimès ki sot pase a.

• Antanke gwoup, revize Modèl Ekolojik la epi asire nou, nou nan bon wout pou n enplike yon valè moun ki apwopriye nan pami manm kominote a, soti nan chak sèk enfliyans pou nou ka rive jwenn yon mas kritik.

• Revize rezilta nou t ap tann yo epi asire nou, nou nan bon wout pou nou jwenn yo.

• Revize ki aktivite ki rete pou konplete epi detèmine si genyen nan leson nou te aprann yo ki mande pou nou ajiste aktivite nou yo an konsekans.

sasa! Entwodiksyon | 34

Page 35: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Kouman pou nou evalye

rezilta nou jwenn yoFaz Kòmanse a se yon ka espesyal nan egzèsis evalyasyon SASA! yo. Paske aktivite ki baze sou kominote a limite nan faz sa a, egzèsis evalyasyon yo oblije fèt nan kòmansman faz Kòmanse a. Evalyasyon sa a pou nou jwenn ki degre konesans, kwayans, konpetans ak konpòtman kominote nou an, ap sèvi kòm yon liy de baz ki pral sèvi nou pou nou konpare pwogrè ak chanjman nan faz ki pral vini yo.

Evalye rezilta travay nou objektivman se yon bagay ki esansyèl pou ede nou konprann ki degre efikasite efò nou yo. Aktivite evalyasyon nou yo pral ede nou prezante pwogrè nou, fè modifikasyon ki nesesè nan pwogram nan, epi kreye dokimantasyon fòmèl nou bezwen pou nou enfòme tout moun ak òganizasyon ki konsène yo, kòlèg nou yo, patenè finansye nou yo ak patenè finansye potansyèl yo, ki tout ap vle konnen si nou vreman vre ap jwenn rezilta n ap atann yo ak SASA! Pou evalyasyon yo nou rekòmande, pou nou sèvi ak metòd ki pi ba yo nan fen chak faz:

1. Dyalòg pou Evalyasyon SASA ! Apre nou fin reyalize tout aktivite ki te planifye pou yon faz, vizite gwoup ak enstitisyon kle ki te patisipe yo epi mennen kèk Dyalòg Evalyasyon SASA! avèk yo. Sa yo se dyalòg ak manm kominote a ki fokis sou ki enfliyans oswa enpak aktivite SASA! yo te genyen. Sèvi ak Dyalòg Evalyasyon SASA! yo (n ap jwenn yo nan Rezime Jeneral pou chak Faz) pou pèmèt chita pale sa yo fèt an pwofondè. Chèche sezi nan pawòl manm kominote yo, nan kòmantè yo ak nan anviwonman an pou nou ka rekonèt si nou te rive jwenn rezilta nou t ap atann yo pou faz sa a. Ekri repons yo pou nou ka pataje enfòmasyon sa yo ak manm ekip SASA! a. Rekòmandasyon detaye sou kijan pou nou mennen, analize ak ekri repons yo nan Dyalòg Evalyasyon yo, n ap jwenn yo nan Vin Maton nan SASA! nan faz Kòmanse a.

2. Ankèt Evalyasyon rapid SASA ! Apre nou fin konplete tout aktivite nou te planifye pou yon faz SASA!, mennen yon Ankèt Evalyasyon Rapid pou SASA!. Voye manm ekip SASA!, ki fòme pou sa, pou y ale nan zòn kle nan kominote a pou yo poze manm kominote a kesyon ki nan Ankèt Evalyasyon Rapid la (n ap jwenn li nan chak Rezime Jeneral pou chak Faz); pou yo ka detèmine degre konesans, kwayans, konpetans ak konpòtman manm kominote a. Sanble tout rezilta yo pou nou pataje yo ak ekip SASA! a. Rekòmandasyon detaye sou kijan pou nou mennen, analize ak ekri Ankèt Evalyasyon Rapid yo, n ap jwenn yo nan liv Vin Maton nan SASA! nan

sasa! Entwodiksyon | 35

Page 36: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

faz Kòmanse a.

3. reyinyon pou Pataje EnfòmasyonRasanble tout staff SASA! a ann antye, pou fè sa yo:• Fè rapò sou tout sa nou jwenn nan Dyalòg Evalyasyon ak Ankèt Evalyasyon

Rapid SASA! yo.

• Konpare rezilta Ankèt Evalyasyon Rapid la ak sa nou te jwenn yo nan faz ki te vin anvan yo pou nou ka evalye pwogrè nou.

• Bat bravo, fè selebrasyon pou pwogrè nou fè yo ak rezilta nou jwenn yo.

• Revize tout rezilta nou poko jwenn yo epi detèmine ann ekip ki aktivite adisyonèl ki ta kapab ede nou jwenn rezilta sa yo, epitou èske ekip SASA! a ak kominote a pare pou yo avanse nan faz k ap vin apre a.

4. rapò sou Faz SASA !Yon fwa ekip SASA! a gen ase enfòmasyon dokimante ki montre aklè rezilta kle nou jwenn yo, ekri yon rapò ki rezime aktivite yo, leson nou aprann yo ak rezilta nou jwenn yo. Pou fè rapò sa a nou ka sèvi ak enfòmasyon nou te kolekte nan egzèsis suivi ak evalyasyon yo. Sonje pran nòt pandan tout reyinyon suivi ak evalyasyon yo, pou pèmèt travay ekri rapò sa a vin fasil epi byen fèt.

Mobilizasyon Kominotè pa vle di sèlman fè anpil aktivite ak anpil moun. Mete an plas yon apwòch pou yon mobilizasyon kominotè mande pou nou òganize tout ti detay ak pou nou gen yon konpreyansyon apwofondi de wòl nou. Lè wòl nou se kreye aktivis, manm kominote yo fèt pou devan nan travay la, pandan y ap mennen ak soutni fòs presyon mouvman an. Se pou nou sòti nan woutin nou abitye antanke "moun ki

Dènyepawòl

sasa! Entwodiksyon | 36

Page 37: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

sa Mobilizasyon Kominotè ye 6 :

• Ankouraje fòmasyon yon pouvwa kolektif• Kenbe yon angajman fèm ak kominote a• Angajman ak aksyon sistematik• Aktivite ki chita sou plizyè estrateji• Yon pwosesis• Yon batay pou jistis sosyal• Ankouraje ak soutni kreyasyon aktivis• Tout sa mande pou met ansanm tout kalte

moun, gwoup ak enstitisyon ki vle enplike tèt yo • Chèche enfliyanse gwoup moun• Sanble rezo sosyal ak sanble resous lajan• Ankouraje nouvo valè ak abitid• Pouse moun reflechi• Wè tout bagay ansanm ak enpak yo sou tout

lavi kominote a• Aktivite ki chita sou prensip dwa moun• Pozitif ak toujou pare pou kole zepòl• Demokratik• Chanje abitid• Kolektif: tout moun fèt pou travay ansanm pou

chanjman• Tout moun gen plas pou yo patisipe• Fokis sou rasin pwoblèm nan (dezekilib

pouvwa)

sa Mobilizasyon Kominotè pa ye:

• Egzèse pouvwa pa w sou lòt moun • Aktivite yon kout dlo cho, yon kout dlo frèt• Aktivite nan tèt cho oswa ki mennen san plan• Aktivite sou yon sèl estrateji• Yon pwojè• Yon aksyon teknik pou regle yon pwoblèm• Met an plas aktivite• Pa posib ak sèlman kèk grenn moun oswa kèk

gwoup• Fokis sèlman sou grenn moun• Divize moun oswa gwoup• Founi sèlman enfòmasyon ak prèv• Di moun jan pou yo panse• Limite nou sèlman a sèten moun oswa sèten

gwoup• Aktivite ki chita sou kè sansib oubyen charite• Bay moun tò oswa fè yo wont• Chèf k ap kòmande• Chanje sèlman sèten konpòtman• Pa posib ak kèk grenn moun k ap fè aksyon

izole• Pinisyon• Fokis sou manifestasyon vizib vyolans

konn reyalize pwojè". Nan plas woutin nan, men sa pou nou fè:

• Estimile pwòp refleksyon pèsonèl lòt moun pase pou nou di yo jan pou yo panse.

• Fasilite chanjman pase nou dikte chanjman ki pou fèt.• Ankouraje dyalòg olye pou nou fè pwopagann pou kèk mesaj anpatikilye.• Konvenk moun olye pou nou preche ba yo.

Si nou vle reyisi se pou nou depase konsepsyon diferans ant “nou” ak “yo”. Nou fèt pou n sispann panse an tèm de “popilasyon sib” ak “benefisyè”, e nan plas yo nou fèt pou nou wè tèt nou kòm yon pati nan kominote n ap mobilize a. Firanmezi n ap travay ak chak eleman nan SASA!, mande tèt nou: Kisa mwen ka fè andedan pwòp vi pa m pou m ankouraje abitid k ap ogmante sekirite ak lasante nan kominote nou an? Kòm manm kominote a, nou jwe yon wòl nan ankouraje abitid ki apiye yon pouvwa ki pi pozitif ak pi jis ant fanm ak gason – abitid k ap anpeche vyolans sou fanm e ki va pèmèt nou met fen a ogmentasyon kantite fanm k ap viv ak VIH/SIDA. Mande tèt nou: kijan mwen ka patisipe? Kisa mwen ka fè andedan pwòp vi pa mwen jodi a?

sasa! Entwodiksyon | 37

Page 38: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

kòmansE

kOnsyantizasyOn

siPò

aksyOn

Kòmanse reflechi sou vyolans sou fanm ak VIH/SIDA kòm 2 pwoblèm ki konekte epi reveye ak alimante pouvwa anndan nou pou fè fas a kesyon sa yo. Chèche dekouvri ki divès kalte moun nan kominote a ki ta ka vin fè pati de travay n ap fè nan SASA!, epi kòmanse enplike kèk ladan yo nan travay la.

Fè moun yo pran konsyans sou kouman kominote nou yo asepte gason sèvi ak pouvwa yo sou fanm, ak kouman se sa k ap alimante vyolans sou fanm ak VIH/SIDA ki vin tankou 2 maladi ki vin tabli nan kominote yo. Enspire divès moun andedan kominote a pou yo pale ak reflechi sou pouvwa, vyolans ak VIH/SIDA

Sipòte fanm, gason jèn moun ak aktivis ki santi yo konsène ak kesyon pouvwa, vyolans ak VIH/SIDA pou yo ka vin mete pouvwa yo ansanm avèk pa tout lòt moun. Kontinye sèvi ak SASA! pou nou touche ak konekte ak pi plis moun toujou nan kominote a.

Fè aksyon. Sèvi ak pouvwa nou pou nou anpeche vyolans sou fanm ak koneksyon li ak VIH/SIDA. Rive kreye yon mouvman fòs k ap avanse ak fòs patisipasyon andedan kominote a pou kreye nouvo abitid pou kominote a – abitid ki apiye yon ekilib pouvwa egalego ant fanm ak gason.

1

2

3

4

SASA !

SASA !

sasa! Entwodiksyon | 38

Page 39: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Faz Kòmanse a vle di "reveye ak alimante Pouvwa Anndan nou menm". Pouvwa anndan se fòs k ap soti anndan nou menm, lè nou rekonèt abi pouvwa, ak pwòp pouvwa pa nou pou kòmanse yon pwosesis pozitif pou chanjman. Konpreyansyon sa a oblije nou demontre ki avantaj ki genyen nan chanjman ak fasilite sipò pou chanjman andedan tout kominote a.

Faz Konsyantizasyon an vle di “konprann kijan gason sèvi ak Pouvwa yo Sou fanm.” Pouvwa sou se pouvwa yon moun oswa yon gwoup moun sèvi avè l pou li kontwole yon lòt moun oswa yon lòt gwoup moun. Fòm pouvwa sa a, yo ka sèvi avè l dirèkteman nan tout kalte fòm vyolans, tankou vyolans fizik oswa nan entimidasyon. Yo ka sèvi avè l endirèkteman tou sou fòm kwayans ak pratik sosyal ki di gason siperyè pase fanm. Sèvi ak pouvwa pa w sou yon lòt moun se yon enjistis. Kreye ak ankouraje ekilib pouvwa egalego ant fanm ak gason sa nan avantaj tout moun.

Faz Sipò a vle di “Mete Pouvwa pa w ansanm Avèk pa lòt pou youn apiye lòt. Pouvwa Avèk se fòs ou santi lè 2 oswa plis moun mete ansanm pou yo fè sa yon sèl pou kò l pa ta ka fè. Pouvwa avèk gen ladan l pou sipòte sa ki nan bezwen, sa k ap eseye kreye chanjman ak sa k ap leve vwa yo. Sa vle di ofri pou mete Pouvwa w ansanm avèk nenpòt lòt moun pou yon kòz ki pozitif ak pou kreye yon santiman solidarite andedan kominote a. Pouvwa avèk vle di tou, konn mande èd ak sipò zòt lè nou bezwen sa.

Faz Aksyon an vle di “sèvi ak Pouvwa nou pou Kore chanjman pozitif.” Pouvwa pou Kore se kwayans, enèji ak aksyon moun ak gwoup moun sèvi pou kreye chanjman. Se pouvwa moun santi lè moun kapab jwi lavi yo nan tout lajè dwa moun yo. Pouvwa pou Kore se libète fanm ak gason santi lè yo lib pou yo akonpli tout potansyèl yo, paske yo pa mare ankò ak kòd kwayans ki asepte gason fèt pou gen pouvwa sou fanm.

Konsèp pouvwa andedan SASA! chak faz nan SASA! prezante yon nouvo konsèp pouvwa:

kòmansE

kOnsyantizasyOn

siPò

aksyOn

sasa! Entwodiksyon | 39

Page 40: fanm Vyolans sou - Beyond Bordersbeyondborders.net/downloads/Introduction to SASA!.pdf · SASA! se yon eksplorasyon sou pouvwa – sa li ye, kilès ki gen pouvwa, kouman yo sèvi

Kreye “aktivis natirèl” nan enplike fanm, gason ak jèn moun nan aktivite ki kreyatif e ki enteresan.

Gaye nouvèl k ap fè moun pran konsyans sou sa k ap pase ak istwa nou konnen nan radyo, nan jounal ak nan biwo lidè yo ak sa k ap pran desizyon yo – konsa n a bay lide SASA! yo yon vwa ki pale wo e fò.

Sèvi ak kreyativite ak amizman ki gen nan materyèl yo tankou afich ak ti komik ki ka enterese moun yo pandan y ap mennen aktivite chak jou yo, oswa pou estimile koze ak pawòl ansanm ak gwoup ki deja òganize.

Ranfòse konpreyansyon moun sou pwoblèm yo nan fè egzèsis ak mennen aktivite ki oblije moun yo panse ak reyaji – patikilyèman nan fòmasyon espesyal pou travayè lasante, moun ki bay laswenyay yo.

Estrateji SASA ! yo

aktiVis lOkal

mEdya ak PlEdWayE

matERyèl kOminikasyOn

fòmasyOn

Rezilta SASA ! yokonesans ki enfòmasyon reyèl moun yo genyen (kòmanse ak konsyantizasyon)

kwayans sa moun kwè ak sa yo santi (kòmanse ak konsyantizasyon)

konpetans sa moun yo konn fè byen (sipò)

konpòtman jan moun chwazi pou yo aji (aksyon)

Nòt1 Adaptasyon: Parks L.F., Cohen L., Kravitz-Wirtz N. (2007). Poised for prevention: Promising approaches to primary prevention of intimate partner violence, The Prevention Institute and Robert Wood Johnson Foundation, CA, 5.2 Pou plis enfòmasyon sou pouvwa: Pickup F., Williams S., Sweetman C. (2001). Ending violence against women: A challenge for development and humanitarian Work, UK: Oxfam. Townsend J., zapata E., Rowlands J., Alberti P., Mercado M. (1999). Women and Power: Fighting Patriarchies and Poverty, UK: zed Press.3 Wè tou: Michau L., Naker D., (2003). Mobilizing communities to prevent domestic violence: A resource guide for organizations in East and Southern Africa, Raising Voices, Kampala. 4 Adaptasyon: Prochaska J., DiClemente C., Norcross J., (1992). In search of how people change -- applications to addictive behaviors, American Psychologist, 47(9), 1102-1114.5 Heise L. (1998). An Integrated, Ecological Framework, Violence Against Women, Sage Publications, Inc, (4)3, 262 – 290.6 Baze sou lide ki nan: Transforming Communities, Mobilizing Communities – What it is and What it isn’t, www.transformingcommunities.org

Si w bezwen plis ransèyman sou SASA !, kontakte nou:Fondasyon Limyè Lavi • (509) 2813 2301 • (509) 3617 1815 [email protected] • www.beyondborders.net