espwa pou ayiti - the hands and feet project · ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. y...

348
ESPWA POU AYITI Yon pwogram leson an Kreyòl ki santre sou Kris pou timoun a risk

Upload: others

Post on 27-Aug-2020

9 views

Category:

Documents


1 download

TRANSCRIPT

Page 1: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

ESPWA POU AYITIYon pwogram leson an Kreyòl ki santre sou Kris pou timoun a risk

Page 2: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 3: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

ESPWA POU AYITIEkip Devlopman Hands and Feet

Project

Yon pwogram leson en Kreyòl pou timoun a risk

David C Cook Global Mission

4050 Lee Vance DriveColorado Springs, CO 80918 U.S.A.

Ekip Devlopman Hands and Feet Project Mark Stuart

Direktè Egzekitif

Amber PierreTradiktris Kreyòl

Ekip Devlopman David C Cook Cris Doornbos

Prezidan, Direktè JeneralGary Hopwood

Direktè Jeneral GlobalGreg Baird

Vis-Prezidan Pedagojik

Kerry KrychoPwomotris Prensipal

Susan Thielker, Lisa BrockEditè

Marlene LeFeverKourikoulòm achitek, Retrete

Page 4: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

Materyèl sa yo pou fòmasyon timoun te kreye ak kowoperasyon Hands & Feet ak David C Cook.

Yo lisansye e nou pèmèt moun sèvi avèk yo a nenpòt legliz ou ministè Kretyen. Tout izaj deyò sa

nou mansyone la, ann Ayiti oubyen lòt peyi, sipoze mande David C Cook pèmisyon.

Yo mèt email [email protected].

©2017 David C Cook. Tout dwa mondyal rezève.

All Scripture quotations, unless otherwise noted, are taken from Haitian Creole Version (HCV), by United Bible Societies

Page 5: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

Liv sa dedye a tout timoun, emplwaye ak tout moun ki kolabore avèk nou nan travay sa n ap fè nan Hands and Feet Project. Nou tout nou montre ki jan kò Kris la demontre e resevwa amou pandan plis ke 10 an. Se priyè nou ke liv sa ap kontinye avanse misyon nou ann Ayiti.

MISYON HANDS AND FEET PROJECTObjektif nou santre sou Kris, e nou vle founi swen rezidansyèl e an fanmi,

ansanm ak solisyon k ap dire, pou nou konbat kriz òfelen ki genyen ann Ayiti.

www.handsandfeetproject.org

Page 6: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

1ENTWODIKSYON

BYENVENI, DIRIJAN ! N AP PRIYE POU OU !

Fè respè mesay Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay.

Tit 2.10

Chè Pwofesè oubyen Dirijan,

Nou remèsye Bondye ke ou dakò pou w anseye amou e gras Kris a timoun ki nan men ou yo. Nou fyè anpil de ou menm ! Ou se yon zouti ke Bondye chwazi pou l sèvi pou l chanje lavi timoun. L ap sèvi ak ou chak jou pou w ankouraje ti gason ak tifi pou yo asèpte Jezi Kris kòm Sovè yo, e aprann yo viv pou li chak jou. Se yon apèl sen ou genyen, e se yon travay ke fè vi ou gen anpil merit ak valè. Ministè ou spesyal nan lefèt ke w ap mete fondasyon pou fòmasyon spirityèl anpil jenn moun ann Ayiti.

Nou priye ke w ap kreyatif nan ansèyman ou, e ke Senyè a ap enspire chak klas pou ke bagay difisil yo vin senp e mistè levanjil la vin klè. Nou priye ke w ap toujou prezante tèt pa ou nan yon mànyè ki glorifye Bondye nan aksyon ou, nan pawòl ou e ak gras. Ou se yon egzanp vivan de sa Kris ye. Ala yon bèl travay ou genyen !

N ap kontinye priye pou ou pandan ou akonpli tach nòb sa.

Avèk amou e anpil priyè,

Direktè Egzekitif

Hands and Feet Project

Page 7: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

2 ENTWODIKSYON

Ann Gade Pwogram Nan

Pou timoun de 8-12 an

OBJEKTIF OUSe pou ou gide timoun yo pou yo konnen Kris kòm Sovè pèsonèl yo, pou w anseye yo

pou yo grandi nan pawòl Bondye pou yo ka konplèt nan tout aspè lavi yo.

Kisa Ki Pase Chak SemènnPwogram sa a ba ou yon leson pou chak Semènn nan yon ane. Leson yo divize nan 12 chapit, yon chapit pou chak mwa. Chapit yo ap swiv yon modèl konsa:

1. Premye leson an ap pale de «Konsantre sou Pawòl Bondye»: fòmasyon spirityèl ak etid biblik

2. Dezyèm leson an ap pale de «Konsantre sou Fòmasyon Karaktè Kretyen»3. Twazyèm nan ap pale de «Konsantre sou Relasyon ak Lòt Moun»4. Katryèm nan ap rekòmanse modèl la ankò ak «Konsantre sou Pawòl Bondye» Modèl

sa ap kontinye pou tout liv la.

Anseye tout yon chapit chak mwa; sa vle di ke tout chapit «Konsantre sou Pawòl Bondye» a sipoze konplete avan ou kontinye nan Fòmasyon ak Relasyon.

Chak leson gen yon fondasyon biblik ladan l. Timoun ap aprann de Papa yo ki nan syèl la e ki jan yo ka demontre li amou yo gen pou li a. Lè ou pran tout leson yo ansanm, w ap wè ke leson yo pale de tout pati yon timoun. L ap pale de lavi spirityèl timoun, e li pale de lavi sosyal, fizik ak emosyonèl tou. Se yon pwogram konplèt ki montre timoun ke Bondye fè pati nan tout pati lavi yo. Yo pa janm sipoze mete Bondye e lavi Kretyen an nan yon bwat nan lavi yo, yon bwat ki ouvri le dimanch sèlman.

Kisa Ki Pase nan Klas laNan chak leson, w ap swiv yon plan 3-etap.

Lè ou nan chapit «Konsantre sou Pawòl Bondye»:1. Istwa nan Bib lan2. Poukisa Istwa Sa Enpòtan pou Mwen3. Kisa Bondye Vle m Fè

Page 8: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

3ENTWODIKSYON

Lè ou nan chapit «Konsantre sou Fòmasyon Karaktè Kretyen»:1. Entwodiksyon Karakteristik lan2. Yon Ilistrasyon Karakteristik lan3. Mennen Vi w ak Karakteristik lan

Lè ou nan chapit «Konsantre sou Relasyon ak Lòt Moun»:1. Konsantre sou Relasyon ak Lòt Moun2. Pataje Verite Relasyon ak Lòt Moun3. Mennen Vi w ak Lòt Moun

Kantite Elèv ki nan Klas LaKantite elèv ke w genyen ap depann de konbyen ansenyan ou genyen nan lekòl de dimanch ou an. Men, nou pa ta ou genyen plis ke 35 elèv nan klas ou. Sonje, pi piti klas la ye, w ap jwenn plis okazyon pou w anseye yo pi byen.

Konsèy pou Pwofesè aNan leson yo, gen ti konsèy ki ka ede rann ansèyman an pi fasil.

• Chak leson gen yon objektif ki di w kisa timoun yo pral dekouvri nan leson an• Gen bagay ou ka di oubyen li dirèkteman nan leson ki enprime nan lèt gra. • Konsèy oubyen nòt pou ou menm pwofesè a nan lèt nòmal.• Kesyon pou w poze timoun yo gen yon ti boul nwa devan yo tankou fraz sa w ap li a.• Nan kòmansman chak leson, gen yon lis de materyèl ke w pral bezwen pou leson an.

Gen nan yon ki se «si w vle,» men nou konseye ou sèvi avèk yo, paske yo fè leson an pi plen e pi enteresan. Sa yo ap ede timoun yo sonje plis nan sa ou te anseye.

Page 9: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

4 ENTWODIKSYON

Mennen Timoun vin Konnen KrisEnfòmasyon k ap vini an enpòtan anpil. Yo di w ki jan pou w mennen yon timoun vin konnen Kris. Konsidere fè kopi «Ki Jan pou m Mande Jezi Retire Peche m?» pou chak timoun ki pran desizyon sa. Pale ak timoun yo sou fèy yo. Ankourage timoun nan siye non li sou papye yo e sere yo yon kote li ka gade yo souvan.

Nòt enpòtan pou pwofesè aLi toujou enpòtan pou pwofesè a bay timoun yo okazyon pou yo asèpte Kris kòm Sovè pèsonèl yo. Men ki jan ou ka fè sa :

1. Nan fen chak leson, mande timoun yo bese tèt yo e fèmen je yo2. Mande si gen timoun ki ta renmen asèpte Jezi Kris kòm Sovè yo. Di yo pou yo leve

men yo.3. Envite sa ki te leve men yo pou yo vin jwenn ou yon kote aprè klas la pou w ka

konseye yo sou sali yo e pou w ka priye avèk yo.4. Fè sèten ke ou pale ak timoun yo pita tou e ke ou kontinye anseye yo pou yo konn

jan pou yo swiv Kris.

Page 10: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

5ENTWODIKSYON

Ki Jan pou m Mande Jezi Retire Peche m ?Swiv etap sa yo :Etap 1 Di Jezi ke ou renmen li pou tout sa li fè pou ou.

Etap 2 Di Jezi ou regrèt tout peche e move bagay ke ou fè yo.

Etap 3 Di Jezi ke ou kwè ke li se Pitit Bondye a e ke li ka padonnen ou. Mande li padonnen ou.

Etap 4 Remèsye Bondye ke li padonnen ou.

Si w pran desizyon pou w swiv Jezi, ekri non ou ak dat jodia a la. Sa se yon jou enpòtan. Ou pa vle bliye sa.

1 Timote 2.3-4 – Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi. Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a.

Page 11: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

6 ENTWODIKSYON

Kèk Pa ki Ka Ede ou Kòmanse Grandi nan Senyè aMache legliz pou w ka konnen lòt Kretyen. (Ebre 10.25)

Batize pou w ka montre ke ou fè pati nan fanmi Bondye. (Travay 16.31, 33)

Li Bib la e obeyi. (1 Jan 3.24)

Priye – pale ak Bondye e di li tout sa ki pase nan lavi ou. (Filipyen 4.6)

Di lòt moun kisa Senyè a fe pou ou. (Ezayi 43.10)

Page 12: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

7ENTWODIKSYON

Kèk Verite EnpòtanLi verite sa yo. Mete yon lin nan chak ti won devan chak fraz ke ou kwè.

❑ Bondye se yon Papa nan syèl la ki renmen nou. Li vle zanmi avè m. Men m fè peche e dezobeyi li. M merite pini pou sa m fè yo.

❑ Men Bondye renmen m. Li sitèlman renmen m ke li voye Pitit Gason li ki san defo, Jezi, pou pran pinisyon pou sa m fè ki mal yo. Jezi pa t janm fè okenn mal.

❑ Jezi mèvèye. Li renmen granmoun kon timoun. Li renmen malere ak rich, moun ki gen pouvwa, e moun ki pa gen pouvwa. Li renmen tout moun. Li sitèlman renmen m ke li te vle m fè pati nan fanmi Bondye. Li te prèt pou l mouri menm pou l fè sa rive.

❑ Jezi te mouri kòm pinisyon pou peche ke moun sou latè fè. Men sa se pa fen istwa a.

❑ Jezi te resisite e leve nan lanmò! Jezi pa mouri ankò. Li vivan jodia !.

❑ Jezi vle m renmen li e viv yon fason pou m fe li plezi. Sa ap pote jwa pou ni mwen menm, ni Papa m nan syèl la.

❑ Jezi pwomèt mwen lavi etènèl. Kote l ap ye, se la m ap ye tou.

Page 13: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

8 ENTWODIKSYON

Aprann Bay Istwa Pi ByenIde sa yo ap ede ou konn jan pou w rakonte istwa pi byen. Itilize ide sa yo lè w ap bay timoun yo yon istwa nan Bib la oubyen nan gid sa, oubyen lè w ap rakonte istwa nan memwa pa ou.

FÈ SA!

Avan ou reyini ak timoun yo, li istwa a pou tèt pa ou. Menm si ou konn li byen, w ap fè pi byen si ou repete li avan klas la.

FÈ SA!

Pale nan yon fason eksite. Istwa a enpòtan. Istwa sa ap ede timoun yo mennen vi yo pi byen etan Kretyen si yo konnen li.

FÈ SA!

Ekspresyon ak vizaj ou dwe mache ak istwa ke wa p bay la. Lè w ap rakonte yon bagay tris, fè vizaj ou parèt tris. Lè w ap pale de yon moun ki te fache, fè vizaj ou parèt fache tou. Lè gen jwa, montre lajwa ou menm tou !

FÈ SA!

Varye vitès ke w ap pale a. Bay yon ti poz si sa ap ogmante antisipasyon timoun yo. Anpil moun ki bay istwa byen di tèt pa yo istwa a avan yo rakonte lòt moun li. Yo bay istwa a nan yon glas pou yo ka wè ki jan lòt moun ap wè yo. Ou gendwa santi ou nyè premye fwa ou fè sa, men l ap ede ou anpil, e w ap vin abitye.

FÈ SA!

Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou moun ki nan Bib la. Si w gen twal oubyen rad ke timoun yo ka sèvi pou kostim, y ap renmen sa. Menm si yon ti gason ka mete yon moso twal sou tèt li ak yon fil pou kenbe li, l ap renmen sa.

Page 14: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 15: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

Materyèl sa yo pou fòmasyon timoun te kreye ak kowoperasyon Hands & Feet ak David C Cook. Yo lisansye e nou pèmèt moun sèvi avèk yo a nenpòt legliz ou ministè Kretyen. Tout izaj deyò sa nou mansyone la, ann Ayiti oubyen lòt peyi, sipoze mande David C Cook pèmisyon. Yo mèt email [email protected]. ©2017 David C Cook. Tout dwa mondyal rezève.

Seksyon 5

Kisa Ou Pral Anseye nan Seksyon Sa

ESPWA POU AYITIMISYON HANDS AND FEET PROJECT

Dezyèm Ka Ane a

Yon pwogram leson en Kreyòl pou timoun a risk

Istwa nan Bib laKalite Karakte Ki

pou Devlope Antann Ou Byen ak

Moun

Leson 1Dirijan ak Sèvitè

Atik Siplemantè: Timoun nan Lari

Atik Siplemantè: Ede Timoun simonte Enkyetid Yo

Leson 2Priye pou Peyi Nou

Leson 5Bay Verite 1

Leson 9Panse Positiv

Leson 3Fè Bondye Konfyans

Leson 6Bay Verite 2

Leson 10Gen Kè Kontan

Leson 4Mande Bondye Ede Ou

Leson 7Bay Verite 3

Leson 11Bondye Pran Pwoblèm nou

Leson 8Bay Verite 4

Leson 12Nou Ka Fè Bondye Konfyans ak

Lavni Nou

Leson 13*Sovè a Fèt

(Leson Spesyal pou Nowèl)*Itilize leson sa nan sezon aproprye a

Page 16: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

11

Dirijan ak SèvitèSeksyon 5 • Leson 1Konsantre sou pawòl Bondye a

Tèm: Bondye renmen tout moun, pa sèlman moun ke lemonn bay valè.

Jodia timoun yo aprann ke Bondye ba yo valè jodia e pou tout tan.

Jodia timoun deside louwe Bondye paske li renmen yo pou sa y ap devni.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Pa gen yonn

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Pran Devan Pwomès Bondye (Jenèz 16–17)

Objektif: Timoun ap wè ki jan Bondye se yon zanmi ni pou moun ki gen pouvwa ni pou moun ke lemònn pa bay enpòtans

Di timoun yo ke n ap aprann anpil de ki jan Bondye te gide Abraram. Mande yo kisa yo sonje de Abraram avan ou ba yo istwa k ap vini an. Ankouraje sa ki sonje sa yo te aprann nan mwa avan yo.

Istwa sa long. Li istwa a ak ekspresyon.

Konsèy pou Pwofesè: Si gen istwa ki long anpil ke w ap bay e ou santi ke timoun yo kòmanse pa enterese ankò, de tanzantan, fè yo repete dènye mo ou di a. Pa egzanp, si ou fenk di, «Men, pou Bondye, li te enpòtan,» fè timoun yo repete mo «enpòtan» nan yon gwo vwa, oubyen yon ti vwa tou piti. E nan egzanp sa, ou ka menm fè timoun yo vire gade yonn lòt pou yo di, «Pou Bondye, li te enpòtan.»Abram ak Sarayi te vle yon ti gason. Yo te kòmfanse granmoun e Bondye te pwomèt yo ke yo tap genyen desandan. Men ki jan pou sa ta ye si yo pa t gen menm yon timoun? Yo te tann, yo tann, e yo tann pou yon ti gason. Men, pandan ane yo tap pase, tann nan vin pi difisil. Abram te yon grannèg nan rejyon kote li te abite a, e tout moun te konnen li. Men, li pa t gen okenn timoun. Moun lòt nasyon yo te

Page 17: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

12 KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

DIRIjAn AK SèvITèLeson 1 Seksyon 5

sanble konn fè anpil tripòt sou Abram paske li pa t gen timoun. Sa te fè Abram wont. Yo te gendwa fè tripòt sou Sarayi tou, epi souke tèt paske li pa ka fè timoun.

Sarayi te tris paske li pa ka fè timoun, e kounyeya li kòmanse granmoun tou. Sa pa di l anyen sa lòt moun tap di sou li, men Bondye te pwomèt ke l tap ba li ak mari l anpil desandan. Yo te al abite jouk Kanaran pou yo te ka obeyi Bondye e chanje vi yo pou yo onore li. E kounyeya li vin sanble ke sa pa tap rive. Se konsa Sarayi vin fè yon plan. Li deside pou l kouri pran devan plan Bondye a. Li pa t konnen sa la menm, men li tap pral tonbe nan anpil pwoblèm poutèt sa l fè a.

Sarayi te ale kote Abram ak ide li a. Sarayi te gen yon sèvant ki te rele Aga. Nan epòk sa, lè madanm yon nonm rich pa ka fè timoun, yo te konn fè sèvant lan fè timoun pou madanm nan ak mari li. Timoun nan tap vin pou madanm ak mari a, li pa tap pou sèvant lan, menm lè se sèvant lan ki akouche timoun nan. Sarayi te vin panse ke petèt Aga te ka ba yo timoun ke yo te bezwen an. Men sa se te yon move plan. Se pa t plan Bondye menm.

Pwoblèm ki te genyen ak plan Sarayi se ke li tap bat pou l ranje tout bagay pou kont li. Li pa t fè Bondye konfyans. Li pa t kwè ke Bondye te ka fè sa l te pwomèt. Nenpòt lè nou wè sa nan yon istwa nan Bib la, nou konnen pral gen pwoblèm. Sarayi te bat pou l jere lavi li nan plas Bondye. Se pou l te fè Bondye konfyans, men Sarayi te panse ke Bondye tap pran twòp tan.

Abram te dakò ak plan Sarayi. Li te kouche ak Aga, e talè Aga te vin ansent. Kounyeya tout moun sipoze kontan, manti? Non, non, se pa vre. Plan sa pa t onore ni Bondye ni maryaj. Amou ki genyen ant mari ak madanm se pou de moun sa yo sèlman. Sarayi te madanm Abram, men kounyeya se Aga ki tap pral fè pitit Abram nan.

Aga te kòmanse vin santi li enpòtan anpil. Se li menm ki tap pral fè timoun pou Abraram, grannèg lan! Lefèt ke Sarayi pa ka fè timoun vin fè Aga kontan, li pa t tris pou li. Kounyeya, Aga vin santi ke se li menm ki pral vin pi enpòtan pou Abram. Chak jou, Aga meprize Sarayi.

Pandan vant Aga vin pi gwo, se konsa mepri Aga pou Sarayi vin pi gwo tou. Sarayi pa t konnen ke pran devan plan Bondye t ap fè l mal konsa. Se konsa, yon jou, li vin bon jan fache. Li al kote mari li, Sarayi di l konsa:—Se poutèt ou menm m ap soufri konsa. M fin ba ou sèvant mwen an, e kounyeya li ansent, li vin ap meprize m. Fè l fè wòl li, tande! Abram di ke Sarayi mèt fè sa l vle ak Aga.

Olye de korije Aga, Sarayi fè kòlè avèk li. Sarayi sitèlman anraje ak Aga, ke Aga wè li pa ka sipòte ankò, li kite kay moun yo.

Sa se te yon bagay ki te danjere anpil pou li fè. Pa t gen okenn kote pou l ale. Gason nan peyi sa te danjere anpil. Pèsonn pa konnen kisa yo tap fè Aga si yo jwenn li pou kont li. Nan epòk sa, li te fasil pou moun pran yon moun fè l tounen esklav lakay li, epi abize li. Sèl kote li wè pou l ale se andeyò kote moun pa tap ka jwenn li. Viv andeyò tap pi bon ke viv anba men Sarayi.

Page 18: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

13KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

DIRIjAn AK SèvITè Seksyon 5Leson 1

Aga te pou kont li, andeyò, e li te ansent. Pandan l ap mache, li vin sou yon ti sous dlo. Pandan l chita la, fatige e tris, gen yon bagay etonan ki vin rive. Zanj Bondye a vin parèt pou l pote yon mesaj soti nan Bondye pou Aga. Ala mèvèy! Bondye te voye komisyon pou yon sèvant, yon moun ke lòt moun pa wè ki enpòtan. Men pou Bondye, Aga te enpòtan anpil.

Zanj lan di,—Aga, sèvant Sarayi, kote ou soti e ki bò ou prale?

Aga reponn,—M ap kite metrès mwen, Sarayi.

Zanj lan di l konsa,—Retounen lakay metrès ou e sèvi li fidèlman. Zanj lan di ankò,—M ap sitèlman ba ou anpil desandan, ou pap menm ka konte yo.

Pwomès Bondye bay Aga te sanble ak pwomès li te fè Sarayi tou! Li tap pral gen anpil desandan. Men desandan Aga sa yo pa tap gen pwomès ke Bondye te bay Abram pou desandan pa li yo. Sonje ke Bondye te fè Abram yon pwomès. Pwomès Bondye tap soti nan Sarayi. Senyè a te esplike Aga ke li ta pral fè yon ti gason ki tap tankou yon bourik sovaj, ki te endepandan e prèt pou l batay. Li te di pou Aga rele ti gason an Izmayèl.

Aga te etone ke Zanj Senyè a te vin kote li menm, yon sèvant. Li sezi ke Gran Dye an tap okipe li. Kè l te kontan e te vin gen lapè. Bondye ki te fè tout latè te gade li ak amou e te pran swen li, menm nan moman wont li. Li te retounen lakay Abram. Bondye pran swen moun ki enpòtan nan lemonn, e li pran swen moun ke lemonn pa bay enpòtans tou.

Aga sanble te di Abram ke Zanj Bondye a te vin kote li. Lè ti bebe Aga a fèt, Abram ba li non Izmayèl, jan zanj lan te di. Abram ak Sarayi te sanble vin konprann ke Bondye te renmen e pwoteje Izmayèl ak manman li.

Bondye te renmen Abram ak Sarayi tou. Wi, yo te fè peche, se vre. Wi, yo te tris. Bondye tap pral beni yo, men lè a pat ankò rive. Chak ane, yo tap tann yon ti bebe. Men anyen pa t rive. 2 an, 5 an, 10 an. Kounyeya li vin enposib pou Sarayi akouche yon ti bebe. Li te twò granmoun. Men, ak Bondye, tout bagay posib. Se sa Bondye te vle fè yon konprann. Se li menm, Bondye, ki te an chaj. Se pa yo menm ki pou deside. Se Bondye ki gen pouvwa, pa yo menm.

13 an aprè nesans Izmayèl, Senyè a vin kote Abram ankò, li di l konsa,—Mwen se Gran Dye a, mache devan mwen e pa fè peche. Pwomès ke m te fè w lan toujou vre. Ou pral gen anpil desandan. Senyè a tap pral kenbe pwomès li vre!

Kòm yon siy de pwomès Bondye te fè Abram nan, Bondye te chanje non Abram. Bondye di ke a pati de moman sa, li tap rele Abraram. Pwomès Bondye a pa t pou Abraram sèlman, men se te pou tout moun ki te desandan Abraram tou.

Bondye te chanje non Sarayi tou. A pati de moman sa, li tap rele Sara. Li te fè anpil tan ap tann pwomès Bondye a. Bondye di Abraram ankò ke Sara tap pral fè yon ti bebe.

Page 19: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

14 KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

DIRIjAn AK SèvITèSeksyon 5 Leson 1

Sara tap koute. Lè Sara tande sa, li ri. Eske Bondye pa t konnen jan l te fin granmoun? Eske Bondye pa t konnen ke se sèl jenn fanm ki ka fè timoun? Abraram mande Bondye si se pa nan Izmayèl pwomès lan tap soti.

Men Abraram pa t fin konprann pwisans Bondye. Bondye te ka fè Sara fè yon timoun menm si li fin granmoun. Tout peyi a tap vin konprann ke ti bebe sa se te kado Bondye. Talè ou pral tande rès istwa sa a ki soti nan Bib la.

2. Eksplore Pawòl Bondye aObjektif: Timoun ap sonje ke yo enpòtan pou Bondye tou.

Ann revize. M pral di kèk fraz ki vrè. W ap di m ki jan ou fè konnen ke fraz la vre selon istwa nou te tande jodia.

• Bondye fè moun li yo pwomès.

• Bondye kenbe pwomès li, men pa toujou nan moman nou ta vle.

• Bondye fè pwomès pou moun ki enpòtan anpil.

• Bondye fè pwomès a moun ke lemonn pa konsidere enpòtan.

• Bondye konnen lè bagay difisil oubyen lè nou nan pwoblèm.

• Menm ti bebe ki poko fèt enpòtan pou Bondye.

Yon jou gen nan nou ki gendwa vin doktè. Ou gendwa vin ap dirije peyi a. Ou gendwa pastè. Ou gendwa pwofesè menm jan avè m. Ou gendwa devni moun ki enpòtan anpil.

Men, men yon bagay pou w toujou sonje: Ou enpòtan pou Bondye kounyeya menm–jodia!

Ou pa oblije tann lè ou granmoun. Ou enpòtan pou Bondye kounyeya.

Aga te yon sèvant. Anpil moun gendwa di ke li pa t enpòtan. Men Bondye pa tap janm di sa. Aga te sitèlman enpòtan pou Bondye ke Bondye te voye yon zanj vin kote li. Bondye te fè Aga kèk pwomès spesyal. Bondye te menm bay Aga yon non pou pitit li e te di Aga ki jan de moun li tap vin ye. Aga te enpòtan anpil anpil pou Bondye. Menm jan avè w!

Esplike ke ou pral endike kèk timoun. Lè ou endike yon timoun, li dwe kanpe e di, «Tankou Aga, mwen se yon moun ki enpòtan anpil pou Bondye.» Pran tan pou w endike chak timoun. Si w gen anpil timoun, fè yo 2 a la fwa.

Page 20: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

15KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

DIRIjAn AK SèvITè Seksyon 5Leson 1

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap louwe Bondye ke li ba yo enpòtans kounyeya menm.

M pral ba ou kèk ti istwa tou kout. Nan chak, gen yon moun ki pa santi li enpòtan menm. M ta renmen ou reflechi sou istwa m ba ou a, epi di m kisa ou te gendwa di moun sa a.

Istwa: Yon manman di pitit fi li ke papa tifi a kite yo e pran tout lajan ke yo te genyen.

Istwa: Pwofesè lekòl yon ti gason fache e li di ti gason an, «Nan tout ane m ap anseye lekòl, ou pi kreten pase tout timoun m janm konnen.»

Istwa: Manman yon ti gason bat li chak jou. Manman an panse ke sa ap ede ti gason an vin tounen yon bon granmoun. Ti gason an, bò pa li, panse ke manman li rayi li. Toulède gen tò.

Fèmen klas la e fè tout moun vin kanpe ansanm. Fè tout timoun yo kole ansanm byen pre. Lèfini, fè yo rele byen fò, 3 fwa: «Mèsi, Bondye, ke m enpòtan pou ou kounyeya!»

Page 21: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

16

Priye pou Peyi NouSeksyon 5 • Leson 2Konsantre sou pawòl Bondye a

Tèm: Bondye tande nou lè nou priye pou peyi nou.

Jodia timoun yo aprann ki jan tout vil te ka chanje si pèp la te swiv Bondye.

Jodia timoun deside priye pou peyi nou.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • jounal ki gen istwa nouvèl nan yo • Kreyon desen • Si w vle: Yon kat jewografik de peyi ou

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Abraram priye pou 2 vil (Jenèz 18–19)

Objektif: Timoun aprann ke Abraram te sipliye Bndye pou l sove 2 vil pou moun jis nan vil sa yo pa tap detwi.

Konsèy pou Pwofesè: Elèv ke w ap anseye yo gendwa santi ke yo pa gen anpil pouvwa nan lavi yo. Moun pa vrèman bay opinyon yo enpòtans ditou, si yo menm koute yo. Yo dwe konnen ke yo pa sipoze priye pou yo manipile Bondye, yo dwe konprann ke Bondye bay yo enpòtans. Bondye tande priyè yo. vwa yo enpòtan pou Li.Jodia w ap tande jan Abraram te mande Bondye mizèrikòd pou moun ki te jis yo. Senyè a te fidèl a Abraram ak Sara. Li te fè yo gwo pwomès. Pandan ane ki pase yo, lafwa Abraram ak Sara vin gran pandan yo tap tann pwomès Bondye sa yo vin akonpli.

Istwa sa a te pase pandan yo tap tann pitit gason ke Bondye te pwomèt lan. Sara te gentan granmoun, li te gen 75 an! Li te sanble enposib pou l fè yon timoun. Men, Abraram ak Sara te kwè nan Bondye.

Yon jou byen cho, Abraram te deyò tant li nan lonbraj lan, ap repoze. Nan tout ane sa yo, vil mechan Sodòm ak Gomò pat janm chanje. Okontrè, yo te vin pi mal sèlman, e Lòt te kontinye abite pami moun sa yo.

Page 22: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

17KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

PRIYE POu PEYI nOu Seksyon 5Leson 2

Pandan Abraram te repoze, li wè kèk nonm enpòtan ap apwoche. Li leve e li ale pale avèk yo. «Pa fatige w. Kite m al chache yon ti dlo. Kite m al chache ti manje pou nou mete nan bouch nou. Se konsa w ap santi w gen fòs pou w kontinye vwayaj ou. Aprè nou vin lave men ak pye nou, e nou fin manje, n a kontinye vwayaje.»

Mesye yo te dakò e Abraram ak Sara te travay di pou yo pare yon bèl dine pou nonm sa yo. Pandan yo tap pare manje a, Abraram te kanpe sou kote e li tap veye mesye yo. Se lè sa, zanj yo te di li ke li ak Sara tap pral fè yon ti bebe nan ane k ap vini an, e lè Sara tande sa, li ri nan kè li. Ala jou mèvèye! Bèl kado Bondye a tap pral vini vre!

Men jou a pat ankò fini. Yonn nan mesye sa yo te Bondye li menm. Li te deside di Abraram yon bagay pwisan e terib ke li tap pral fè. Peche Sodòm ak Gomò te sitèlman vin terib ke Bondye tap oblije pote jijman kont vil sa yo. Senyè a te vle Abraram konprann kisa li tap pral fè. Abraram te sèvite ke Bondye te fè konfyans.

Bondye tap pral voye 2 zanj vin detwi vil yo. Abraram te kanpe ak Senyè a. Li te di Bondye, «Eske w ap touye moun jis yo ansanm ak moun mechan yo? E si gen 50 bon moun nan vil la? Eske w ap detwi vil la, e ou pap sove vil la pou 50 moun ki swiv ou yo? Pa fè bagay konsa, non. Pa touye moun jis ansanm ak moun mechan yo. Silvouplè, èske Jij tout latè pap fè sa ki dwat?»

Senyè a dakò pou l sove vil yo si gen 50 moun jis nan yo. Men Abraram vin kòmanse reflechi. E si pa t gen 50 moun ki te jis nan vil yo? Vil sa yo te mechan vre! Se konsa li imilye tèt pa li e li mande Bondye si l pap epanye vil yo si se 45 moun jis sèlman ki genyen nan vil yo.

Senyè a gen plis amou pou moun ki sou latè ke tout lòt moun, menm Abraram. Jistis enpòtan anpil pou li, e li di Abraram wi.

Men Abraram pa t ankò fini. Pandan l ap reflechi sou ki jan vil sa yo te mechan vre, li vin reyalize ke gendwa pa menm genyen 45 moun jis nan 2 vil yo mete ansanm. Se konsa li mande Bondye si Bondye pa tap epanye vil yo pou 30 moun jis sèlman. Lè Bondye te reponn li wi, Abraram mande l, «E si se 20?» Ankò, Senyè a dakò.

Anfen, Abraram mande Bondye, «Silvouplè, pa fè kòlè avè m, Senyè, men kite m pale yon dènyè fwa. E si se 10 moun jis sèlman ou jwenn nan 2 vil yo?» Imajine jwa ke Bondye te genyen poutèt Abraram ki vle sove moun inonsan yo. Se menm mizèrikòd ke Bondye li menm li genyen. Men Senyè a te konnen ke pa t gen menm 10 moun jis nan 2 vil yo mete ansanm. E kounyeya Abraram tap pral konnen tou.

Jou swa sa, Lòt, neve Abraram nan, tap chita nan pòtay vil Sodòm lè li wè 2 nonm ap vin sou li. Nou konnen ke yo te 2 zanj Bondye te voye yo.

Lòt te konnen ke vizitè enpòtan sa yo tap an danje si yo te antre vil la pou kont yo. Li te kouri al kote yo e li mande yo desann lakay li. Zanj yo refize, yo di y ap dòmi nan plas la nan vil la. Lòt sanble sezi lè l tande sa. Nonm sa yo pa t gen okenn ide kisa ki tap pral rive yo si yo te fè sa. Moun vil sa te mechan anpil e yo tap fè de nonm sa yo tout kalite mechanste. Lòt sipliye yo. Li di yo vini lakay li, e anfen, zanj yo vin dakò.

Page 23: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

18 KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

PRIYE POu PEYI nOuSeksyon 5 Leson 2

Lòt te fè yo antre lakay li e li ba yo manje. Nouvèl ke te gen vizitè kay Lòt te vin pase nan tout vil la. Moun mechan vil Sodòm nan te vin lakay Lòt. Lòt te konnen ke li te bezwen pwoteje vizitè li yo. Li soti deyò pou l pale ak nonm vil li yo.

Mesye yo pa t vle koute. Yo te konplètman plen mechanste ak raj. Yo menase Lòt.

Zanj yo tande kisa ki tap pase, e yo rale Lòt anndan kay la. Yo fè tout mesye yo deyò vin avèg. Men kanmenm, mesye yo tap grate pòt la pou yo bat pou yo antre.

Zanj yo vin di Lòt ki moun yo ye. Zanj yo di Lòt ke Bondye tap pral detwi vil la. Lòt ak fanmi li te bezwen echape. Yo mande Lòt si pa t gen moun ankò nan vil la yo te ka sove. Sèl moun Lòt te ka panse se te jennonm ki te fiyanse ak pitit fi li yo. Men lè Lòt al di yo sa, yo ri sèlman. Peche vil kote yo te abite a pa t twouble yo ankò.

Nan demen maten, zanj yo sipliye Lòt pou l kite vil la ak madanm li ak pitit fi li yo. Lòt pa t vle ale. Li pa t konprann kisa ki tap pral pase. Anfen, se zanj yo ki vin kenbe Lòt e ki fòse li menm ak fanmi li ale. Lè yo rive deyò vil la, zanj yo di yo pou yo ale nan mawon nan monn yo. Lòt sipliye yo pou yo ale nan yon lòt vil pito. Zanj yo dakò, men yo di pou yo fè vit. Senyè a pa tap kòmanse jijman an tout tan yo te nan rejyon an. Zanj yo di yo piga yo menm vire gade destriksyon ki tap pral tonbe sou Sodòm.

Solèy la te gentan leve lè Bondye te pote jijman li sou Sodòm ak Gomò. Dife sot tonbe nan syèl la. Gwo dife yo detwi ni kay moun ni moun tou.

Madanm Lòt pa t kontan e li te regrèt kite vil la. Se konsa, li vire gade destriksyon an. Se te dènye zak rebèl li kont Senyè a. Kon l gade, lamenm li mouri!

Abraram te aprann ke lè Bondye pini moun ak peche, Bondye jis. Se te yon gwo leson pou Abraram aprann. Li tap pral vin papa yon gran nasyon, e Bondye tap montre li ke li pa sipoze kite nasyon pa li vin tounen mechan tankou vil Sodòm ak Gomò.

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap gade egzanp nan jounal ki jan vil ak peyi te ka chanje si moun te swiv Bondye.

M pral ba ou kèk fraz ki vrè. Di m ki jan ou fè konnen ke yo se verite, daprè istwa Abraram nan.

• Lè nou gen kesyon sou Bondye, nou mèt di li sa.

• Nou mèt vin kote Bondye plizyè fwa si nou gen yon bagay k ap twouble nou. L ap toujou koute nou.

• Si moun pa sispann fè peche e mande Bondye padon, L ap pini peche yo, men pa toujou lamenm.

• Bondye toujou jis lè L ap pini moun pou peche yo.

Page 24: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

19KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

PRIYE POu PEYI nOu Seksyon 5Leson 2

• Bondye pa pini moun ki mennen vi ki jis.

• Lè nou kòmanse swiv Bondye, nou pa konnen anpil bagay, se konsa Bondye anseye nou e nou vin konnen li pi byen.

Mete yon gwo wonn atè a nan sal kote w ap anseye a. wonn sa ap sinifi peyi ou. Rive nan pati nò nan espas la epi rele byen fò, «le nò!» Mande timoun yo vin kanpe bò kote ou epi fè yo dekri yon bagay yo konnen ki rive nan rejyon sa ki pa fè Bondye plezi. Petèt yo tande pale de yon vòlè ki te genyen nan zòn nan, oubyen kèk vyolans.

Aprè, rive nan pati est la epi rele byen fò, «Lest!» Mande timoun yo vin kanpe bò kote ou epi fè yo dekri yon bagay yo konnen ki rive nan rejyon sa ki pa fè Bondye plezi. Kontinye nan rejyon sid oubyen lwest.

Yon lòt opsyon si ou genyen sa ki nesesè:

Mete yon pe jounal tout atè a pou timoun yo gade. Bay chak timoun yo kreyon oubyen yon kreyon desen. Mande timoun yo mete yon X sou chak imaj oubyen istwa ki pa tap parèt nan jounal la si tout moun te renmen e swiv Bondye. Di yo mete yon X sou istwa oubyen imaj krim, lagè, oubyen menm pwomosyon ki sanble yo pa bon pou timoun.

Fen opsyon

Di yo ke Bondye pa p detwi vil yo yo jan l te fè Sodòm ak Gomò. Men li vle nou mande li pou l fè moun nan vil nou an renmen li plis e pi ouvè pou yo resevwa li. Bondye konnen ke lè moun renmen li, vil nou yo ap pi bon e pi kontan.

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap priye pou peyi nou an.

Chwazi yonn nan ide sa yo:

1. Mande timoun yo priye ke moun nan peyi sa ap pi ouvè pou yo resevwa amou Bondye a. Timoun yo gendwa priye pou vil kote yo menm yo soti a.

2. vini ak yon kat tout peyi a. Mande timoun ale bò kat la e bay non yon vil ke yo wè. Yo sipoze priye pou moun vil sa, menm si yo pa janm vizite la deja.

Timoun yo gendwa bezwen yon egzanp de kisa w ap mande yo fè. Priye konsa avèk yo:

Papa nou ki nan syèl la, m ap priye pou vil Jakmèl (priye pou vil kote ou ye a). M ap priye ke plis moun nan vil sa ap vin tande pale de ou e ap vin renmen ou. Lè moun renmen ou, yo fè sa ki dwat e yo bat pou yo pa fè ou tris lè yo fè peche. Nou priye w konsa nan non Jezi, amèn.

Page 25: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

20

Fè Bondye KonfyansSeksyon 5 • Leson 3Konsantre sou pawòl Bondye a

Tèm: Kwè nan Bondye pou bagay ki difisil yo.

Jodia timoun yo aprann ke fè Bondye konfyans lè bagay yo difisil toujou enpòtan.

Jodia timoun deside mande Bondye bay yo plis konfyans nan Li menm.

MATERYÈL KE W AP BEZWENYon opsyon si ou genyen sa ki nesesè: • Sou yo gwo fèy papye, ekri Ezayi 26.4 • Fraz Konfyans ki ekri avan klas (wè Pati 2) • Papye ak kreyon desen pou chak timoun • Papye blan • Kreyon desen • Bib

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Pi Gwo Eprèv Abraram (Jenèz 22.1–19)

Objektif: Abraram ilistre kisa li vle di pou timoun fè Bondye konfyans pou tout tan.

Li vèsè a byen fò pou timoun yo 3 fwa. Di nenpòt timoun ki ka sonje l, pou l resite l pou ou.

Konsèy pou Pwofesè: Si w gen yon Bib, li vèsè yo dirèkteman nan Bib la nenpòt lè li posib. Kite timoun yo wè jan ou kenbe Bib ou ak swen e respè. Si gen timoun nan klas la ki li byen, ou ka mande yo li 1 oubyen 2 vèsè. Sa montre timoun yo ke Bib la se pou tout moun!Yon opsyon si ou genyen sa ki nesesè:

Ekri vèsè a sou tablo a oubyen sou yon gwo fèy papye avan klas la kòmanse. w ap sèvi avèk li nan toule 3 seksyon leson an jodia. Li vèsè a byen fò pou timoun yo.

Fen opsyon

Page 26: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

21KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

Fè BOnDYE KOnFYAnS Seksyon 5Leson 3

Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Seyè a ap toujou la pou pwoteje nou.

Ezayi 26.4

• Kilè ou twouve li fasil pou w mete konfyans ou nan Senyè a?

• Kilè ou twouve li difisil?

Timoun yo ap aprann de Abraram. jodia se yon leson kontan, men se yon eprèv ki difisil pou Abraram. Li pral aprann ke li ka fè Senyè a konfyans pou tout tan. Li oubyen rakonte timoun yo istwa sa.

Semènn pase, nou te aprann ke Sara te ri lè li te tande ke Senyè te di li tap fè yon ti bebe. Paske li te granmoun, e Abraram te pi granmoun ankò–li te gen 100 an. Men promès Senyè a te vin reyalize. Yo te fè yon timoun. Bondye toujou kenbe pwomès li.

Sara di, «Bondye fè m ri, e tout moun ki tande ke m fè yon ti gason ap ri ansanm avè m.» Li te rele ti gason an Izarak. Ou konn kisa «Izarak» vle di? Non an vle di «Li ri.» Ala yon non kontan pou yon ti gason ki te yon mirak vre.

Kèk ane pase e Izarak tap grandi. Yon jou Bondye te di Abraram al fè yon bagay etranj.

«Abraram!» Bondye rele li.

«Wi, Senyè?» Abraram reponn.

Bondye di, «Pran Izarak, sèl pitit gason ou an, ti gason ou renmen an, e ale nan rejyon Morija. Ofri li la kòm yon sakrifis sou yonn nan monn yo m ap di w lan.»

Oh, non! Sa te sanble twò difisil! Bib la pa di kisa Abraram te panse, ni sa li te santi. Li te konnen kisa sa vle di pou w ofri yon sakrifis. Sa te vle di ke w bay Bondye pi bon kado ou yo tou brile sou yon lotèl. Nan tout lavi li, Abraram te sèlman bay Bondye pi bon bèt li yo kòm sakrifis brile. Men kounyeya Bondye tap mande li ofri sèl pitit gason li.

Nan demen maten, Abraram leve e li pran bourik li. Li pran Izarak ak 2 sèvitè ak bwa pou ofrann nan. Li pran wout pou kote Bondye te di li ale a. Yo te fè 3 jou ap mache. Nou ka imajine ke kè Abraram te lou pandan li tap mache a. Lèfini, Abraram te di sèvitè li yo, «Rete la. Mwen ak Izarak ap fè yon ti mache toujou. Nou pral louwe Bondye, lèfini n ap vin jwenn ou la.» Abraram pat konnen kisa ki tap pral rive, men li te fè Bondye konfyans ak pitit li, sa ki te pi presye pou li nan tout latè.

Page 27: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

22 KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

Fè BOnDYE KOnFYAnSSeksyon 5 Leson 3

Abraram ak Izarak te pote bwa pou ofrann nan e yo te vini ak dife pou yo te ka boule ofrann nan. Men Izarak te konnen te gen yon bagay ki manke. Izarak mande papa li, «Kote mouton an pou nou ofri sou lotèl lan?»

Papa li reponn li, «Se Bondye li menm k ap bay mouton an pou ofrann nan, pitit mwen.» Yo te kontinye mache jouk yo rive kote Bondye te di a. La, Abraram bati yon lotèl e li ranje bwa yo sou li. Dousman, li mare Izarak e li mete li sou lotèl lan. Lèfini, ak yon kè lou, li pran kouto pou l touye sèl pitit gason li.

Men Senyè a rele Abraram avan li touye gason an, «Abraram! Pa manyen Izarak. Ou montre m ke ou fè m konfyans. Ou te prèt pou w bay sèl pitit gason ou pou mwen.» Ala jwa Abraram te gendwa santi lè li demare pitit gason li, e li anbrase li!

Lotèl la te fin konstwi e prèt pou yon sakrifis. Abraram te gade, e toupre, te gen yon mouton ki te kole nan yon ti raje. Sa pat yon kowensidans. Se Bondye ki te mete mouton an la. Abraram te pran mouton an e li ofri l kòm yon sakrifis nan plas Izarak.

Abraram te rele kote a, «Se sou kont Senyè a sa ye,» paske Bondye te ba li yon mouton. Izarak tap viv. Senyè a te di Abraram, «M ap beni ou e m ap fè desandan ou anpil tankou etwal ki nan syèl la e tankou sab ki bò lanmè. Nan desandan ou, tout latè ap beni.»

Abraram te gendwa ap mande tèt li ki jan tout nasyon tap beni nan li menm. Nou konnen ke Jezi te yon desandan te Abraram nan manman li, Mari. Jezi te mouri pou peche li pou nou te ka vin zanmi ak Bondye pou tout tan. Panse ak sa. Nan Jezi, ki soti nan Abraram, tout nasyon sou latè ap beni.

Abraram ak Izarak te tounen al jwenn sèvitè yo e te tounen lakay. Abraram te montre ke li te fè Bondye konfyans, pa sèlman lè tout bagay ap mache byen pou li, men nan moman ki difisil anpil yo tou.

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap desinen ki jan yo santi yo lè yo fè Bondye konfyans ak sa ki difisil nan lavi yo.

Abraram te fè Bondye konfyans ak pitit gason presye li. Nou ka fè Bondye konfyans ak tout sa ki presye pou nou menm tou. Ann di vèsè nou a ansanm ankò.

Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan Paske Seyè a ap toujou la pou pwoteje nou.

Ezayi 26.4

Page 28: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

23KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

Fè BOnDYE KOnFYAnS Seksyon 5Leson 3

Mande 4 elèv pase devan klas la. w ap di yo chak nan zòrèy yo yon bagay difisil ki gendwa rive yo. Yonn pa yonn, yo sipoze montre klas la kisa ki rive yo nan aksyon yo, men yo pa sipoze pale. Timoun yo nan klas la sipoze devine kisa elèv la ap montre yo. Lè yo bay bon repons lan, w ap di yo ke yo sipoze mete konfyans yo nan Bondye e ke Bondye ap toujou la pou yo. Repete vèsè a.

Men kisa w ap di nan zòrèy 4 elèv yo:

Ou pèdi nan vil la, nan yon zòn ki pa yon bon kote pou timoun ale.

Ou pè fènwa.

Ou pa fè mwayenn nan egzamen ou, e ou tris poutèt sa.

Manman ou malad anpil, e ou panse ke li ka mouri.

Yon lòt opsyon si ou genyen sa ki nesesè:

Bay chak timoun yon papye e mete kreyon desen pou yo sèvi. Esplike ke ou pral li kèk bagay ke yo ka mete nan men Bondye. Ou ka ekri yo sou tablo a oubyen sou yon gwo fèy papye pou timoun yo kopye yo nan papye yo a. Y ap desinen yon imaj ki demontre jan yo santi yo ka fè Bondye konfyans nan bagay sa yo.

M vle fè Bondye konfyans ak lavni mwen pou m pa enkyete pou sa.

M vle fè Bondye konfyans ke l ap kontinye renmen mwen menm si mwen gen defo.

M vle fè Bondye konfyans ke li se yon Papa nan syèl la pou mwen.

M vle fè Bondye konfyans ke lè Bondye di m se yon moun spesyal, li panse sa vre.

Bay ide pa ou!

Sonje ke se santiman ou ke wap desinen. Sèvi ak koulè e imaj. Pa egzanp, si ou santi ou kontan pou lavni ou, ou ka fè kèk figi moun k ap souri, oubyen kèk koulè byen bèl. Panse ak jan ou tap santi w si ou te fè Bondye tout konfyans. Bondye vle pou nou tankou Abraram e fè l konfyans ak tout sa ki nan lavi nou.

Lè yo fini, fè timoun yo montre yonn lòt yonn nan bagay ke yo desinen.

Fen opsyon

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap priye nan kè yo pou yo mande Bondye ba yo plis konfyans nan li.

Page 29: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

24 KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

Fè BOnDYE KOnFYAnSSeksyon 5 Leson 3

Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan Paske Seyè a ap toujou la pou pwoteje nou.

Ezayi 26.4

Di vèsè a ansanm plizyè fwa.

Nou pral pran kèk minit la pou nou priye nan kè nou. M pral gide ou nan sa pou ou priye a.

Di Bondye ki jan ou renmen li. (Fè yon ti tann pou timoun yo ka fè sa.)

Di Bondye nan ki pati lavi ou ou poko fè li tout konfyans. (Fè yon ti tann.)

Mande li pou l agrandi konfyans ou nan li e fè ou vin tankou Abraram–yon moun ki fè Bondye konfyans lè tout bagay te difisil anpil anpil. (Fè yon ti tann.)

Di Bondye twa rezon ou kontan pou w se pitit li. (Fè yon ti tann.)

Fèmen klas la ak lapriyè.

Page 30: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

25

Mande Bondye Ede OuSeksyon 5 • Leson 4Konsantre sou pawòl Bondye a

Tèm: Bondye ede m lè mande li.

Jodia timoun yo aprann ke vrè Bondye a tande priyè yo e li ede yo.

Jodia timoun deside yon lè chak jou ke yo pral priye.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Senaryo ki nan fen leson sa

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Izarak chache yon madanm (Jenèz 24)

Objektif: Timoun yo tande yon sketch sou ki jan Bondye ede yon sèvitè jwenn yon madanm pou Izarak.

Konsèy pou Pwofesè: Chwazi timoun ki li byen pou sketch la. Ankouraje yo li ak anpil ekspresyon. Sa ap fè sketch la pi bèl ni pou yo, ni pou timoun k ap gade. Ede aktè yo wè wòl yo ak kè kontan pou yo ka ede lòt timoun sonje istwa a pi byen. Bondye ka sèvi avèk yo pou l anseye lòt timoun.Mande timoun yo imajine jou ke yo pral marye a. Mande yo ki kalite yo ta renmen wè nan moun yo pral marye a. Lè yon timoun bay yonn, mande yo poukisa tèl ou tèl kalite enpòtan pou yon madanm oubyen yon mari. Lè ou wè timoun yo pa sitèlman gen ide ankò, esplike ke yo pral tande yon istwa de ki jan Izarak te vin gen yon madanm. Raple yo ke se Izarak ki te pitit gason ke Bondye te pwomèt Abraram ak Sara. Revize istwa semenn pase avèk yo, istwa kote Bondye te mande Abraram sakrifye pitit gason li.

Anpil ane gentan pase nan lavi Izarak depi sa nou tande semènn pase. Sara te mouri lè l te genyen 127 an. Izarak gen 40 an nan istwa nou pral tande jodia, e papa li Abraram te gen 140 apepre. Lè a te rive pou Izarak marye. Men Abraram pat vle Izarak marye yonn nan medam Kanaran kote yo te abite a, paske medam sa yo pat adore Bondye vivan an.

Page 31: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

26 KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

MAnDE BOnDYE EDE OuSeksyon 5 Leson 4

Rele moun yo k ap fè pati nan skètch la: jounalis lan, Abraram, Sèvitè a, ak Rebeka. Esplike tout timoun yo ke skètch sa se tankou yon entèvyou nan nouvèl. Sa se yon bèl fason pou yo aprann istwa Bib sa.

Yon Madanm pou IzarakjOunALIS: Bonjou, tout moun. Mwen se yon jounalis. M pa nan Bib la vre, men istwa

sa pral rakonte ou ki moun ki nan Bib la vre. M konnen ou pral renmen pati istwa nou sa sou Abraram ak fanmi li. An premye, ann pale ak Abraram.

ABRARAM: M rele Abraram. M aprann fè Bondye konfyans. Anpil ane pase, Bondye te rele m vin abite la nan peyi Kanaran sa. Li te banm yon pitit gason, Izarak. Kounyeya Izarak granmoun. Li te vle marye, men m pat vle li pran yon madanm pami moun Kanaran yo. Isi nan peyi sa, se idòl moun yo adore olye de Bondye. M te vle Izarak pran yon madanm nan peyi kote m te soti a.

jOunALIS: Men vwayaj la pou peyi kote w soti a byen lwen. Li tap pran plizyè semenn pou yon moun fè vwayaj sa.

ABRARAM: wi, e m te twò granmoun pou m fè tout wout sa. M deside voye sèvitè m nan. M te konnen m te ka fè l konfyans pou l chwazi yon madanm pou Iza-rak. M te di sèvitè m nan ke Bondye tap pran swen tout bagay. Sèvitè m nan rele Elyezè. Ou dwe pale avèk li menm tou.

SèvITè: Bonjou, m se Elyezè, sèvitè Abraram nan. Abraram te voye m retounen nan peyi li pou m te ka chwazi yon madanm pou Izarak pami fanmi li yo. M kòmanse vwayaj la. Aprè byen lontan, m rive nan vil kote fanmi Abraram nan te abite.

jOunALIS: Eske w te ale dirèk nan vil kote fanmi Abraram yo te abite a?

SèvITè: non, li te gentan aswè, e m te kanpe bò yon pwi ki te deyò vil la. M te wè kèk medam ki tap vin nan dlo. Lamenm m te kòmanse priye. M di Bondye, «O Bondye, Bondye mèt mwen Abraram. Banm siksè jodia. Ede m chache yon bon madanm pou Izarak.»

ABRARAM: Sa se te yon bagay saj pou w te fè.

SèvITè: Aprè sa, m vin fè yon ide. M panse se Bondye ki banm ide sa. M deside mande yonn nan medam yo, «Silvouplè banm ti gout dlo nan po dlo ou an.» Si fi a dakò e li ofri bay chamo yo dlo tou, ebyen m tap konnen ke se li menm Bondye te chwazi pou Izarak. Pandan m tap priye a, Rebeka vin nan pwi a. Se li menm ki pou bay ou rès istwa a.

jOunALIS: Rebeka, èske w te konnen ke nonm sa se te sèvitè Abraram?

REBEKA: non, m te sèlman konnen ke m te vle ede yon etranje ki te fatige.

SèvITè: Men ou te ofri bay chamo yo dlo tou. Sa se anpil travay!

Page 32: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

27KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

MAnDE BOnDYE EDE Ou Seksyon 5Leson 4

REBEKA: wi. M te konnen ke sa fè Bondye plezi lè nou sèvi lòt moun.

SèvITè: M te mande Rebeka pou fanmi li. Se te fanmi Abraram! Bondye te fè m konnen se fi sa pou Izarak marye. M te kontan anpil. Lamenm m ajenouye mwen pou m louwe Bondye. Bondye te ede m lè mande li.

jOunALIS: Kisa fanmi ou te panse, Rebeka?

REBEKA: Lè yo tande kisa sèvitè a vin di yo, yo te kontan anpil. Yo te dakò pou m mar-ye ak Izarak. Gade jan Bondye gran!

Chwazi yon timoun ki pou fè wòl yon sèn nan Bib la. (Si senaryo a mande 2 moun, chwazi yon lòt timoun pou ede premye a.) Di timoun nan zòrèy li ki senaryo pou l fè. Men, se aksyon pou l fè sèlman–li pa gendwa pale! Rès timoun yo sipoze di ki pati nan istwa a timoun yo ap montre yo.

Konsèy pou Pwofesè: Sa se yon bèl moman pou w ankouraje lòt timoun patisipe. Chwazi timoun ki pa t fè pati nan premye istwa ak jounalis lan pou fè mim sa yo. Ankouraje tout moun patisipe e ri e bat bravo.Men sa pou w ekri–yo chak sou yon ti moso papye apa.

Abraram mande sèvitè li chache yon madanm pou Izarak, e sèvitè a pati sou yon chamo.

Sèvitè a chita bò pwi a, e li mande Bondye ede li.

Rebeka bay sèvitè a bwè dlo, lèfini li bay tout chamo yo dlo tou.

Rebeka di sèvite a wi, e yo retounen sou chamo yo.

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap di yon lè ke Bondye te reponn yonn nan priyè pa yo, e pale sou ki jan Bondye gendwa reponn a priyè moun.

Sèvitè Abraram nan te priye e mande Bondye ede li, e Bondye te ba li yon bèl ide pou ki jan pou l konn ki fi pou l chwazi.

• Eske yonn nan nou ka bay yon egzanp de yon lè li te priye mande Bondye ede li, e Bondye te reponn ou?

Mete w pre pou w bay yon egzanp pou menm tou.

M pral ba ou kèk ti istwa. Nan yo chak, yon timoun te priye mande Bondye ede li.

Ti Istwa Jozye te etidye anpil pou yon egzamen, men li toujou gen kè soti lè gen egzamen.

Page 33: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

28 KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

MAnDE BOnDYE EDE OuLeson 4Seksyon 5

Se tankou tèt li vin di li pa ka panse ak anyen. Men li te sonje priye. Ki jan ou panse Bondye te gendwa reponn priyè li?

Ti Istwa Mari toujou pè fènwa. Kèk ane pase, yon moun te fè l kèk mal lè li te deyò kay li yon jou swa. Depi lè sa, li toujou priye mande Bondya pa fè l tounen aswè. Ki jan pou panse Bondye gendwa reponn vrè priyè li sa?

Ti Istwa Papa Estè te marye ankò aprè manman li mouri. Nouvo madanm nan pa t renmen Estè, e li te konn bat li pou anyen. Estè te konn priye ke madanm nan tap sispann fè sa, men madanm nan te kontinye bat li. Men yon jou, Bondye te reponn priyè Estè. Ki jan ou panse Bondye te reponn?

Bondye reponn a priyè nou. Li ede nou lè nou mande li. Men yon bèl vèsè ki raple nou ke Bondye ede nou.

Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo Li wete yo anba tray. Som 34.17

Di chak fraz nan vèsè a e fè timoun yo repete l aprè ou. Fè sa 2 ou 3 fwa. Esplike ke sa se yon bon vèsè pou yo aprann pa kè. Bay yo kreyon ak papye pou yo kopye vèsè a.

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap mete yon lè chak jou ke y ap priye e mande Bondye ede yo.

Pase yon ti moman nan lapriyè. Separe timoun yo nan gwoup de 2 oubyen 3 elèv chak. Mande yo priye pou yon bagay yo ta vle Bondye ede yo fè.

Bay chak timoun yo ti moso papye ak yon kreyon. Ankouraje yo desinen yon revèy nan papye a. Esplike yo ke li fasil pou nou sonje priye Bondye lè nou priye nan menm lè a chak jou. Fè yo mete egwi nan revèy la pou yo montre a kilè chak jou yo pral priye Bondye. Chak jou yo ka pale ak Bondye e mande li ede yo nan jou sa e nan semènn k ap vini an.

Pou w fèmen, mande kèk timoun montre a kilè yo deside priye e kilè yo mete nan revèy yo, e poukisa yo chwazi lè sa a.

Page 34: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

29KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

MAnDE BOnDYE EDE Ou Seksyon 5Leson 4

Yon Madanm pou IzarakjOunALIS: Bonjou, tout moun. Mwen se yon jounalis. M pa nan Bib la vre, men istwa

sa pral rakonte ou ki moun ki nan Bib la vre. M konnen ou pral renmen pati istwa nou sa sou Abraram ak fanmi li. An premye, ann pale ak Abraram.

ABRARAM: M rele Abraram. M aprann fè Bondye konfyans. Anpil ane pase, Bondye te rele m vin abite la nan peyi Kanaran sa. Li te banm yon pitit gason, Izarak. Kounyeya Izarak granmoun. Li te vle marye, men m pat vle li pran yon madanm pami moun Kanaran yo. Isi nan peyi sa, se idòl moun yo adore olye de Bondye. M te vle Izarak pran yon madanm nan peyi kote m te soti a.

jOunALIS: Men vwayaj la pou peyi kote w soti a byen lwen. Li tap pran plizyè semenn pou yon moun fè vwayaj sa.

ABRARAM: wi, e m te twò granmoun pou m fè tout wout sa. M deside voye sèvitè m nan. M te konnen m te ka fè l konfyans pou l chwazi yon madanm pou Iza-rak. M te di sèvitè m nan ke Bondye tap pran swen tout bagay. Sèvitè m nan rele Elyezè. Ou dwe pale avèk li menm tou.

SèvITè: Bonjou, m se Elyezè, sèvitè Abraram nan. Abraram te voye m retounen nan peyi li pou m te ka chwazi yon madanm pou Izarak pami fanmi li yo. M kòmanse vwayaj la. Aprè byen lontan, m rive nan vil kote fanmi Abraram nan te abite.

jOunALIS: Eske w te ale dirèk nan vil kote fanmi Abraram yo te abite a?

SèvITè: non, li te gentan aswè, e m te kanpe bò yon pwi ki te deyò vil la. M te wè kèk medam ki tap vin nan dlo. Lamenm m te kòmanse priye. M di Bondye, «O Bondye, Bondye mèt mwen Abraram. Banm siksè jodia. Ede m chache yon bon madanm pou Izarak.»

ABRARAM: Sa se te yon bagay saj pou w te fè.

SèvITè: Aprè sa, m vin fè yon ide. M panse se Bondye ki banm ide sa. M deside mande yonn nan medam yo, «Silvouplè banm ti gout dlo nan po dlo ou an.» Si fi a dakò e li ofri bay chamo yo dlo tou, ebyen m tap konnen ke se li menm Bondye te chwazi pou Izarak. Pandan m tap priye a, Rebeka vin nan pwi a. Se li menm ki pou bay ou rès istwa a.

jOunALIS: Rebeka, èske w te konnen ke nonm sa se te sèvitè Abraram?

REBEKA: non, m te sèlman konnen ke m te vle ede yon etranje ki te fatige.

SèvITè: Men ou te ofri bay chamo yo dlo tou. Sa se anpil travay!

REBEKA: wi. M te konnen ke sa fè Bondye plezi lè nou sèvi lòt moun.

Page 35: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

30 KOnSAnTRE SOu PAwòL BOnDYE A

MAnDE BOnDYE EDE OuSeksyon 5 Leson 4

SèvITè: M te mande Rebeka pou fanmi li. Se te fanmi Abraram! Bondye te fè m konnen se fi sa pou Izarak marye. M te kontan anpil. Lamenm m ajenouye mwen pou m louwe Bondye. Bondye te ede m lè mande li.

jOunALIS: Kisa fanmi ou te panse, Rebeka?

REBEKA: Lè yo tande kisa sèvitè a vin di yo, yo te kontan anpil. Yo te dakò pou m mar-ye ak Izarak. Gade jan Bondye gran!

Page 36: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

31

MAnDE BOnDYE EDE Ou Seksyon 5Leson 4

Yon Madanm pou IzarakjOunALIS: Bonjou, tout moun. Mwen se yon jounalis. M pa nan Bib la vre, men istwa

sa pral rakonte ou ki moun ki nan Bib la vre. M konnen ou pral renmen pati istwa nou sa sou Abraram ak fanmi li. An premye, ann pale ak Abraram.

ABRARAM: M rele Abraram. M aprann fè Bondye konfyans. Anpil ane pase, Bondye te rele m vin abite la nan peyi Kanaran sa. Li te banm yon pitit gason, Izarak. Kounyeya Izarak granmoun. Li te vle marye, men m pat vle li pran yon madanm pami moun Kanaran yo. Isi nan peyi sa, se idòl moun yo adore olye de Bondye. M te vle Izarak pran yon madanm nan peyi kote m te soti a.

jOunALIS: Men vwayaj la pou peyi kote w soti a byen lwen. Li tap pran plizyè semenn pou yon moun fè vwayaj sa.

ABRARAM: wi, e m te twò granmoun pou m fè tout wout sa. M deside voye sèvitè m nan. M te konnen m te ka fè l konfyans pou l chwazi yon madanm pou Iza-rak. M te di sèvitè m nan ke Bondye tap pran swen tout bagay. Sèvitè m nan rele Elyezè. Ou dwe pale avèk li menm tou.

SèvITè: Bonjou, m se Elyezè, sèvitè Abraram nan. Abraram te voye m retounen nan peyi li pou m te ka chwazi yon madanm pou Izarak pami fanmi li yo. M kòmanse vwayaj la. Aprè byen lontan, m rive nan vil kote fanmi Abraram nan te abite.

jOunALIS: Eske w te ale dirèk nan vil kote fanmi Abraram yo te abite a?

SèvITè: non, li te gentan aswè, e m te kanpe bò yon pwi ki te deyò vil la. M te wè kèk medam ki tap vin nan dlo. Lamenm m te kòmanse priye. M di Bondye, «O Bondye, Bondye mèt mwen Abraram. Banm siksè jodia. Ede m chache yon bon madanm pou Izarak.»

ABRARAM: Sa se te yon bagay saj pou w te fè.

SèvITè: Aprè sa, m vin fè yon ide. M panse se Bondye ki banm ide sa. M deside mande yonn nan medam yo, «Silvouplè banm ti gout dlo nan po dlo ou an.» Si fi a dakò e li ofri bay chamo yo dlo tou, ebyen m tap konnen ke se li menm Bondye te chwazi pou Izarak. Pandan m tap priye a, Rebeka vin nan pwi a. Se li menm ki pou bay ou rès istwa a.

jOunALIS: Rebeka, èske w te konnen ke nonm sa se te sèvitè Abraram?

REBEKA: non, m te sèlman konnen ke m te vle ede yon etranje ki te fatige.

SèvITè: Men ou te ofri bay chamo yo dlo tou. Sa se anpil travay!

REBEKA: wi. M te konnen ke sa fè Bondye plezi lè nou sèvi lòt moun.

Page 37: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

32

MAnDE BOnDYE EDE OuSeksyon 5 Leson 4

SèvITè: M te mande Rebeka pou fanmi li. Se te fanmi Abraram! Bondye te fè m konnen se fi sa pou Izarak marye. M te kontan anpil. Lamenm m ajenouye mwen pou m louwe Bondye. Bondye te ede m lè mande li.

jOunALIS: Kisa fanmi ou te panse, Rebeka?

REBEKA: Lè yo tande kisa sèvitè a vin di yo, yo te kontan anpil. Yo te dakò pou m mar-ye ak Izarak. Gade jan Bondye gran!

Page 38: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

33

MAnDE BOnDYE EDE Ou Seksyon 5Leson 4

Yon Madanm pou IzarakjOunALIS: Bonjou, tout moun. Mwen se yon jounalis. M pa nan Bib la vre, men istwa

sa pral rakonte ou ki moun ki nan Bib la vre. M konnen ou pral renmen pati istwa nou sa sou Abraram ak fanmi li. An premye, ann pale ak Abraram.

ABRARAM: M rele Abraram. M aprann fè Bondye konfyans. Anpil ane pase, Bondye te rele m vin abite la nan peyi Kanaran sa. Li te banm yon pitit gason, Izarak. Kounyeya Izarak granmoun. Li te vle marye, men m pat vle li pran yon madanm pami moun Kanaran yo. Isi nan peyi sa, se idòl moun yo adore olye de Bondye. M te vle Izarak pran yon madanm nan peyi kote m te soti a.

jOunALIS: Men vwayaj la pou peyi kote w soti a byen lwen. Li tap pran plizyè semenn pou yon moun fè vwayaj sa.

ABRARAM: wi, e m te twò granmoun pou m fè tout wout sa. M deside voye sèvitè m nan. M te konnen m te ka fè l konfyans pou l chwazi yon madanm pou Iza-rak. M te di sèvitè m nan ke Bondye tap pran swen tout bagay. Sèvitè m nan rele Elyezè. Ou dwe pale avèk li menm tou.

SèvITè: Bonjou, m se Elyezè, sèvitè Abraram nan. Abraram te voye m retounen nan peyi li pou m te ka chwazi yon madanm pou Izarak pami fanmi li yo. M kòmanse vwayaj la. Aprè byen lontan, m rive nan vil kote fanmi Abraram nan te abite.

jOunALIS: Eske w te ale dirèk nan vil kote fanmi Abraram yo te abite a?

SèvITè: non, li te gentan aswè, e m te kanpe bò yon pwi ki te deyò vil la. M te wè kèk medam ki tap vin nan dlo. Lamenm m te kòmanse priye. M di Bondye, «O Bondye, Bondye mèt mwen Abraram. Banm siksè jodia. Ede m chache yon bon madanm pou Izarak.»

ABRARAM: Sa se te yon bagay saj pou w te fè.

SèvITè: Aprè sa, m vin fè yon ide. M panse se Bondye ki banm ide sa. M deside mande yonn nan medam yo, «Silvouplè banm ti gout dlo nan po dlo ou an.» Si fi a dakò e li ofri bay chamo yo dlo tou, ebyen m tap konnen ke se li menm Bondye te chwazi pou Izarak. Pandan m tap priye a, Rebeka vin nan pwi a. Se li menm ki pou bay ou rès istwa a.

jOunALIS: Rebeka, èske w te konnen ke nonm sa se te sèvitè Abraram?

REBEKA: non, m te sèlman konnen ke m te vle ede yon etranje ki te fatige.

SèvITè: Men ou te ofri bay chamo yo dlo tou. Sa se anpil travay!

REBEKA: wi. M te konnen ke sa fè Bondye plezi lè nou sèvi lòt moun.

Page 39: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

34

MAnDE BOnDYE EDE OuSeksyon 5 Leson 4

SèvITè: M te mande Rebeka pou fanmi li. Se te fanmi Abraram! Bondye te fè m konnen se fi sa pou Izarak marye. M te kontan anpil. Lamenm m ajenouye mwen pou m louwe Bondye. Bondye te ede m lè mande li.

jOunALIS: Kisa fanmi ou te panse, Rebeka?

REBEKA: Lè yo tande kisa sèvitè a vin di yo, yo te kontan anpil. Yo te dakò pou m mar-ye ak Izarak. Gade jan Bondye gran!

Page 40: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

35

MAnDE BOnDYE EDE Ou Seksyon 5Leson 4

Yon Madanm pou IzarakjOunALIS: Bonjou, tout moun. Mwen se yon jounalis. M pa nan Bib la vre, men istwa

sa pral rakonte ou ki moun ki nan Bib la vre. M konnen ou pral renmen pati istwa nou sa sou Abraram ak fanmi li. An premye, ann pale ak Abraram.

ABRARAM: M rele Abraram. M aprann fè Bondye konfyans. Anpil ane pase, Bondye te rele m vin abite la nan peyi Kanaran sa. Li te banm yon pitit gason, Izarak. Kounyeya Izarak granmoun. Li te vle marye, men m pat vle li pran yon madanm pami moun Kanaran yo. Isi nan peyi sa, se idòl moun yo adore olye de Bondye. M te vle Izarak pran yon madanm nan peyi kote m te soti a.

jOunALIS: Men vwayaj la pou peyi kote w soti a byen lwen. Li tap pran plizyè semenn pou yon moun fè vwayaj sa.

ABRARAM: wi, e m te twò granmoun pou m fè tout wout sa. M deside voye sèvitè m nan. M te konnen m te ka fè l konfyans pou l chwazi yon madanm pou Iza-rak. M te di sèvitè m nan ke Bondye tap pran swen tout bagay. Sèvitè m nan rele Elyezè. Ou dwe pale avèk li menm tou.

SèvITè: Bonjou, m se Elyezè, sèvitè Abraram nan. Abraram te voye m retounen nan peyi li pou m te ka chwazi yon madanm pou Izarak pami fanmi li yo. M kòmanse vwayaj la. Aprè byen lontan, m rive nan vil kote fanmi Abraram nan te abite.

jOunALIS: Eske w te ale dirèk nan vil kote fanmi Abraram yo te abite a?

SèvITè: non, li te gentan aswè, e m te kanpe bò yon pwi ki te deyò vil la. M te wè kèk medam ki tap vin nan dlo. Lamenm m te kòmanse priye. M di Bondye, «O Bondye, Bondye mèt mwen Abraram. Banm siksè jodia. Ede m chache yon bon madanm pou Izarak.»

ABRARAM: Sa se te yon bagay saj pou w te fè.

SèvITè: Aprè sa, m vin fè yon ide. M panse se Bondye ki banm ide sa. M deside mande yonn nan medam yo, «Silvouplè banm ti gout dlo nan po dlo ou an.» Si fi a dakò e li ofri bay chamo yo dlo tou, ebyen m tap konnen ke se li menm Bondye te chwazi pou Izarak. Pandan m tap priye a, Rebeka vin nan pwi a. Se li menm ki pou bay ou rès istwa a.

jOunALIS: Rebeka, èske w te konnen ke nonm sa se te sèvitè Abraram?

REBEKA: non, m te sèlman konnen ke m te vle ede yon etranje ki te fatige.

SèvITè: Men ou te ofri bay chamo yo dlo tou. Sa se anpil travay!

REBEKA: wi. M te konnen ke sa fè Bondye plezi lè nou sèvi lòt moun.

Page 41: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

36

MAnDE BOnDYE EDE OuSeksyon 5 Leson 4

SèvITè: M te mande Rebeka pou fanmi li. Se te fanmi Abraram! Bondye te fè m konnen se fi sa pou Izarak marye. M te kontan anpil. Lamenm m ajenouye mwen pou m louwe Bondye. Bondye te ede m lè mande li.

jOunALIS: Kisa fanmi ou te panse, Rebeka?

REBEKA: Lè yo tande kisa sèvitè a vin di yo, yo te kontan anpil. Yo te dakò pou m mar-ye ak Izarak. Gade jan Bondye gran!

Page 42: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

37

Atik Siplemantè

Timoun nan Larijanette Pepall

Gen timoun ki abite nan lari tout kote! Gen apepre 100 a 200 milyon timoun ki abite nan lari nan lemonn jodia. Gen plis ti gason ke tifi. Pi fò nan yo ant 5 a 16 an. Anpil fwa moun panse ke yo vyolan e pa bay yo anpil valè. Pou yo ka souviv, yo vòlè, yo pran dwòg, yo mande nan lari, e yo tonbe nan fè pwostitisyon.

Men, timoun sa yo ki abite nan lari, yo fidèl a zanmi yo, yo rezistan, e yo ka fè pou tèt pa yo.

Definisyon yon Timoun nan Lari

Yon timoun nan lari se nenpòt moun ki poko gen 18 an ki abite nan lari, nan plas piblik, nan mache oubyen lòt espas piblik. Timoun sa dòmi, manje, fè zanmi, fè aktivite seksyèl, leve ti bebe, e travay ilegalman nan lari.

Poukisa Timoun sa yo nan Lari?

Gen anpil rezon pou yon timoun ta abite nan lari. Gen nan yo ki echape fanmi ki abize yo. Gen nan yo ki leve nan lari menm, e yo pa janm konnen lakay. Gen nan yo ki te andeyò e ki antre nan vil pou yo ka gen pi bèl opòtinite. Gen nan yo tou ki vle chèf tèt pa yo, ki vle viv san responsabilite, san règleman.

Gen lòt ki te abandonnen poutèt fanmi yo te malere oubyen te gen kèk dezas ki separe yo. Pafwa lè granmoun yo vin gen yon nouvo menaj, yo fòse timoun nan deyò. Gen timoun tou ke moun peye pou yo antre nan vil la, epi yo vann timoun nan nan pwostitisyon. Si timoun sa yo ka echape, se nan lari yo rete.

Pwoblèm Komen pou Timoun sa yo

Fanmi—Paske timoun sa yo pa gen fanmi, yo pa gen moun ki pou renmen yo ni pran swen yo. Timoun sa yo vin fè pati kèk gang, e yo vin wè gang sa tankou fanmi yo. Pi gran timoun yo aji tankou paran pi piti yo. Yo bay yonn lòt yon idantite, yo pwoteje yonn lòt, e yo fè yonn lòt santi yo se fanmi yo.

Sante—Timoun nan lari pran dwòg anpil pou ede yo sipòte tout pwoblèm nan lavi yo. Pran dwòg se yon fason yo ka echape neglijans, doulè, solitid ak dezespwa.

Yo bwè alkowòl, yo pran mariwana, oubyen yo renifle kòl oubyen asetòn. Bagay sa yo pa koute anpil lajan e yo fasil pou yo jwenn. vann dwòg bay timoun sa yo enpòtans pami zanmi yo, e se konsa yo jwenn lajan pou yo manje.

Timoun nan lari manke manje, yo pa ka kenbe kò yo pwòp, e yo manke swen medsen. Anpil nan yo pa konn kisa ki rele SIDA, ni ki jan yon moun vin genyen maladi sa yo.

Page 43: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

38 ATIK SIPLEMAnTè

TIMOun nAn LARI

Edikasyon—Lè yon timoun ap viv nan lari, sa bay yo anpil strès, e devlopman mantal yo soufri anpil. Pi fò nan yo pa konn li, oubyen se yon ti edikasyon sèlman yo genyen. Anil nan timoun sa yo ap grandi e yo pap ka jwenn djòb.

Kisa Nou Ka Fè?

Si nou vle pote chanjman nan lavi timoun sa yo, nou oblije rebati konfyans yo. nou ka fè sa lè nou montre yo ke nou senpatik. nou dwe demontre respè, ke nou asèpte yo, demontre pasyans, e ke nou vrèman vle ede yo. nou bezwen koute sa yo gen pou di nou.

Pandan tout relasyon an, nou dwe bay yo egzanp de bon konpòtman. nou dwe moun ki fyab. nou dwe respekte sa yo di nou ke yo pa vle lòt moun konnen. nou dwe kontinye bati relasyon an, poze yo kesyon, e koute pandan y ap pale. Anpil timoun nan lari pa kominike byen, e sa gendwa pi difisil ke w panse.

Bay yo limit nan konpòtman yo. Si yo vle moun respekte yo, yo dwe respekte moun tou.

Lè li posib, nou dwe bay yo swen medikal e edikasyon. Si posib, nou dwe chache yon pansyon oubyen ofelina pou yo abite.

Anpil granmoun eksplwate e abize timoun ki nan lari. Sosyete pa ede timoun sa. Akoz frajilite timoun sa yo, yo se yonn nan gwoup moun ki pi an danje. nou sipoze renmen yo e bay yo sipò, e bat pou nou pote chanjman ak espwa pou timoun sa yo ki pa genyen.

Page 44: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

39

Bay Verite 1Seksyon 5 • Leson 5Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Bondye vle pou nou bay verite a.

Jodia timoun yo aprann ke Bondye renmen lè nou bay verite a.

Jodia timoun deside fè Bondye kontan lè yo bay verite a.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • vèsè a ekri sou tablo a oubyen yon gwo fèy papye. (wè Pati 3)

LÈ POU LESON AN1. Kalite Karaktè yon Moun: Bay Verite

Objektif: Timoun ap aprann enpòtans bay verite a e y ap tande yon istwa k ap ilistre ki jan bay verite pi bon pase bay manti.

Kòmanse e jwe ti jwèt sa.

Fè timoun yo chita nan yon wonn atè a. (Si gen plis ke 10 elèv nan klas la, separe yo nan 2 gwoup.) Ou menm tou, mete w nan wonn nan. vire sou moun ki sou bò dwat ou an e chichote yon fraz nan zòrèy li. Fè sèten ke okenn lòt timoun pa tande fraz ou di nan zòrèy timoun nan. Chichote yon ti bagay tankou, «Bondye renmen ou anpil, anpil.» oubyen «nou renmen chita nan wonn sa ak rad legliz sou nou.» oubyen yon lòt fraz ki yon ti jan long. Kounyeya, ou di fraz la nan zorèy yon timoun, li menm menm, l ap vire chichote l nan zòrèy timoun ki chita sou bò dwat pa li, e kontinye konsa pou fraz la pase nan tout timoun yo. Lè dènye timoun nan wonn nan tande fraz la, fè l di kisa li te tande. Fraz la gendwa diferan ke sa ou te premye di premye timoun nan, paske gen moun ki pa byen tande li. jwe jwèt sa plizyè fwa e fè kèk nan timoun yo panse ak yon fraz pou yo di nan zòrèy yon timoun.

Aprè nou jwe jwèt la plizyè fwa, mande timoun yo:

• Eske li te difisil pou w tande fraz la byen?

• Eske fraz la te janm chanje pandan jwèt la oubyen èske se te toujou verite?

Page 45: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

40 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 1Seksyon 5 Leson 5

Nan jwèt sa, nou kòmanse ak yon fraz, men nou pa toujou fini ak menm fraz la. Olye de fraz ke premye moun nan te di, nou te gen yon fraz ki te chanje nèt de sa ki te di a. Bib la esplike nou jan li enpòtan pou nou bay verite a.

• Di kèk bagay ki ka pase si yon moun pa bay verite a.

Si nou pa bay verite a, sa ka fè lòt moun mal. Se poutèt sa Bib la di nou ke Bondye renmen verite a e li renmen lè nou bay verite tou.

Li Pwovèb 14.25 ak 12.19 pou timoun yo:

Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo.

Pwovèb 14.25

Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan. Pwovèb 12.19

Verite a enpòtan anpil. Pafwa nou gendwa panse li pi bon pou nou bay yon manti. Men vèsè sa yo di nou ke verite a dire pou tout tan, e li ka menm sove lavi moun. Nou konnen li pi bon pou nou bay verite a paske Bondye renmen lè nou fè sa.

Kounyeya m pral rakonte ou yon istwa sou ki jan li enpòtan pou w bay verite a. Istwa sa pa nan Bib la, se yon ansyen istwa. Ti istwa sa sitèlman la lontan, moun pa menm sonje ki moun ki ekri li. Anpil nan ti istwa konsa gen yon verite enpòtan ni pou granmoun, ni pou timoun.

Konsèy pou Pwofesè: Pou w ede timoun yo angaje ak istwa a, fè timoun yo fè aksyon pou sèten mo ke w di. Pa egzanp, nenpòt lè ou di mo «manchèt» lan, fè timoun yo fè mosyon y ap koupe yon bagay ak manchèt li.YON BICHERON AK MANCHÈT LI

Sa se istwa yon bicheron ak manchèt li. Istwa sa pa soti nan Bib la, men li montre nou jan bay verite a enpòtan.

Byen lontan, te gen yon bicheron. Yon bicheron se yon moun ki koupe bwa pou lajan. Li pa t yon nonm rich. Okontrè, li pa prèske touche ase lajan pou l pran swen fanmi li. Men lavi li te kontan e li te mennen yon bon vi.

Page 46: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

41KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 1 Seksyon 5Leson 5

Yon jou, li te travay di anpil e jou a e prèske fini. Bra li te fatige nan leve gwo manchèt li pou l koupe bwa yo. Paske men l te sitèlman fatige, nan yonn nan dènye fwa li leve manchèt la pou l koupe bwa a, manchèt la soti nan men li e l al tonbe nan yon gwo lak dlo ki te toupre. Li rele, «Oh non!» Manchèt la pèdi. Nonm nan te tris anpil paske se sèl manchèt sa li te genyen. Li pa t gen lajan pou l achte yon lòt. Li pa t konn naje, e si l al dèyè plonje pou l pran manchèt la, l ap bwè dlo. Mezanmi, ki jan li pral jwenn lajan pou l bay fanmi li manje?

Li pa t wè kisa pou l fè. Li chita sou yon gwo wòch ki te bò dlo a e li mete tèt li nan men li, li tonbe ap kriye.

Te gen yon lòt jennonm ki te konn travay nan menm forè sa e ki te tande lè bicheron an pèdi manchèt li. Jennonm lan vin wè kisa ki te pase.

Bicheron an esplike ke manchèt li tonbe nan dlo a e ke li pa konn naje, e l ap bwè dlo si l plonje ale chache manchèt la anba dlo a. Kè jennonm nan fè li mal pou mesye a, e li plonje nan dlo a. Lè li monte, li tap kenbe yon manchèt ki te fèt an lò! «Sa se manchèt ou an?» li mande bicheron an. Bicheron an reponn, «Non, manchèt sa pa pou mwen. Sa pi bèl pase pa m nan.»

Jennonm nan plonje ankò. Fwa sa, li monte ak yon manchèt ann ajan. «Sa se manchèt ou an?» li mande bicheron an. Bicheron an reponn, «Non, manchèt mwen an byen senp ak yon manch an bwa. Sa pi bèl pase pa m nan.»

Yon fwa ankò, jennonm nan plonje pou l al chache manchèt bicheron an. Fwa sa, li monte ak manchèt bicheron an menm. «Sa se manchèt ou an?» li mande. Mesye a di, «Oh wi! Sa pou mwen! Mèsi anpil, wi!»

Men jennonm nan sitèlman sezi ke bicheron an bay verite a ke li ba li toule twa manchèt yo–ni sa ki te an lò, ni sa ki te ann ajan.

Lè bicheron an retounen nan ti bouk kote l te rete a, li te kontan anpil paske li jwenn manchèt li an. Li rakonte tout moun istwa sa ki te pase li, e ki jan li fè vin gen twa manchèt . Yonn nan moun nan vil la yo deside al twonpe jennonm nan pou l fè jennonm nan ba li manchèt an lò ak ajan tou. Moun sa ale bò dlo a pou l wè sa k ap pase.

Moun vil la ki te tande sa ki te pase a pwoche bò dlo a e li voye manchèt li nan fon dlo a. Li rele «Oh non!» menm jan li konnen zanmi li bicheron an te fè. Jennonm nan vin parèt lè li tande kri moun nan. Moun nan di l sa ki te pase e jennonm nan plonje nan dlo a pou l al dèyè manchèt moun nan. Li moute ak yon manchèt lò, e li mande si se manchèt li an sa. Moun nan pran manchèt lò an epi li di, «Wi, wi, sa se manchèt m te pèdi a! Mèsi anpil, wi!»

Lè moun nan tap pral tounen lakay li, jennonm nan kenbe l epi li di, «Lage manchèt lan. M konnen ke li pa pou ou!» Epi jennonm nan pran manchèt lò a, li lage l nan dlo a ankò. «Tounen nan ti bouk kote w rete a. M konnen ou se yon moun ki bay manti.»

Page 47: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

42 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 1Seksyon 5 Leson 5

Moun nan kouri tounen lakay li, san manchèt lò a, e san manchèt pa li ke l te voye nan dlo a.

2. Eksplore Bay VeriteObjektif: Timoun ap demontre enpòtans bay verite a.

Li enpòtan anpil pou Bondye ke moun bay verite a. Se poutèt sa, li sipoze enpòtan pou nou menm tou. Nou dwe bay verite nan tout sa nou di, tout sa nou fè. Bib la di ke Bondye ban nou kouraj pou nou bay verite a. Bib la di nou nan 1 Korentyen 13.6 ke «moun ki gen renmen nan kè yo pap pran plezi nan sa ki mal, men ap pran plezi nan sa ki vre.» Nou ka montre lòt moun ke nou renmen yo lè nou bay verite.

M ap bay ou kèk senaryo e aprè chak, n ap pale sou kisa sa vle di pou nou bay verite.

Konsèy pou Pwofesè: nan leson ki gen anpil moman ak ansèyman oubyen pale, chache mwayen pou w fè timoun yo fè yon ti mouvman de tanzantan. Pa egzanp, nan leson sa kounyeya, ou ka pale sou 3 senaryo sa yo nan 3 pati nan sal kote nou reyini an. Oubyen, fè timoun yo kanpe detire kò yo. Oubyen fè yon konbinezon: lè timoun yo ap mache nan sal la, fè yo fè yon ti danse, oubyen sote, pou yo pa santi yo chita twòp.Jan-Pòl Jan-Pòl te gen yon ti lajan pou l achte pen. Li te byen kontan paske manman li pa t gen anpil lajan. Li tap kouri al achte pen an. Lajan an sot tonbe nan pòch li, e lè Jan-Pòl wè lajan an pèdi, li chache tout nan wout li te fè, men li pa ka jwenn lajan an.

• Kisa Jan-Pòl sipoze di manman li? Ki konsekans ou panse manman li ap bay li?

Mari Mari renmen lekòl, men li difisil pou l fè bon nòt. Li chita bò kote yon ti gason ki fò anpil nan lekòl. Pandan 2 egzamen, Mari gade papye ti gason an pou l kopye repons li. Mari renmen Bondye e li konnen ke sa l fè a pa gen verite ladan l.

• Kisa Mari sipoze fè? Ki konsekans ou panse y ap bay li?

Estè Estè renmen danse. Lekòl li ap bay yon gwo prezantasyon e Estè te panse ke se li menm ki tap jwenn gwo wòl dans lan. Men yo bay yon lòt tifi wòl sa. Estè sitèlman fache ke li fè lòt tifi a tonbe pa ekspre. Tifi a kase pye li nan tonbe a. Estè di direktè lekòl la ke se pa ekspre li fè e li di eskize. Men se ekspre li te fè vre. Estè te vle fè tifi a tonbe. Estè pa renmen ke li te bay manti a, men li kontan ke kounyeya se li menm ki pral danse nan plas tifi ki kase pye l lan.

• Kisa ou panse Estè dwe fè? Ki konsekans ou panse yo ka bay li pou sa?

Page 48: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

43KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 1 Seksyon 5Leson 5

3. Mennen Vi w ak VeriteObjektif: Timoun konprann jan bay verite a enpòtan pou Bondye

Repete vèsè sa pou timoun yo. Repete li 3 fwa, epi gade si gen moun ki ka di l pou kont yo.

Senyè a pa vle wè moun k’ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.

Pwovèb 12.22

Etan Kretyen, nou sipoze vle fè Bondye plezi. nou sipoze vle aji yon fason pou fè li kontan. Ann di kèk bagay ki ka fè Bondye plezi.

• Site kèk bagay ou ka fè pou fè Bondye plezi.

• Fè kòm si se demen. Ou tante pou w bay yon manti. Ou pa ka sonje tout vèsè nou aprann nan, men ou vle fè Bondye plezi. Ki moun ki ka di m kisa vèsè a vle di, menm si ou pa sonje tout vèsè a?

• Ann di vèsè a ansanm ankò.

Kounyeya mande elèv yo chache si yo ka jwenn 3 lòt timoun nan klas la ki ka resite a vèsè a pou yo.

Sa fè Bondye kontan lè nou bay verite a. Li rayi lè nou bay manti. Nou gen Sentespri a ki ka ede nou bay verite a, menm lè li difisil. Bondye renmen lè nou bay verite a!

Pou w fèmen klas la, chante kèk ti chan levanjil ke timoun yo konnen e renmen.

Page 49: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

44

Bay Verite 2Seksyon 5 • Leson 6Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Bondye vle pou nou bay verite a.

Jodia timoun yo aprann ke Bondye atann ke y ap bay verite a, menm lè li difisil.

Jodia timoun deside asèpte bay verite a pou yon semènn.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Yon ti wòch piti oubyen boul ke wap ka voye • Yon ti wòch oubyen objè ke chak timoun ap ka mete nan pòch yo pou yon

semènn

LÈ POU LESON AN1. Kalite Karaktè yon Moun: Bay Verite

Objektif: Istwa Estè nan Bib la ap ede timoun yo konprann ke bay verite a gendwa danjere, men bay verite toujou dwat.

Akeyi timoun yo, e salye yo chak, si posib. jantiyès ou ap bay tout klas la yon ton pou jan yo aji.

Konsèy pou Pwofesè: Li pa toujou fasil pou w aprann ki jan tout moun rele. Si ou twouve li difisil, di timoun yo ke yo enpòtan pou ou e ke ou vle konnen yo, e ou ta renmen yo bay non yo avan yo pale nan klas la. Si yo fè sa souvan, w ap vin sonje non yo. Aprè ou aprann non yo, sèvi ak non timoun yo nenpòt lè li posib. Rechèch montre nou ke moun renmen tande non yo, e ke timoun sitou bezwen santi ke moun wè yo e sonje yo. Si timoun yo tande non yo, y ap konnen ke yo enpòtan, e pa sèlman paske yo fè pati nan gwoup la.Fè timoun yo kanpe nan yon gwo wonn. Di ou pral jwe yon jwèt ki rele «voye verite.» w ap bay yonn nan timoun yo yon ti wòch oubyen yon ti boul. Moun sa a ap di yon bagay de

Page 50: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

45KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 2 Seksyon 5Leson 6

tèt pa li ki vre byen vit. Li mèt di yon bagay byen senp tankou, «M se yon ti gason,» oubyen «M renmen koulè wouj.» Aprè sa l ap voye boul la bay yon lòt timoun, k ap di yon bagay ki vre tou. Repete jouskaske tout moun gen okazyon di yon verite. Timoun yo dwe voye boul la byen vit, e pa pran anpil tan pou yo reflechi.

• Ki bagay ki vrè ou te prèt pou ou di de tèt pa ou?

• Eske li te difisil pou w panse ak yon bagay pou w di? Poukisa?

• Eske ou te vle bay verite a? Poukisa?

Pafwa bay verite a byen fasil, sitou lè nou konnen ke verite a pap fè nou anyen. Men anpil fwa bay verite a pote pwoblèm oubyen difikilte. Nan moman sa yo, li difisil pou nou chwazi bay verite a kanmenm. Kòm Kretyen, nou dwe toujou vle bay verite a, paske se sa Bondye vle nou fè.

Jodia leson nou soti nan Bib la. Se yon vre istwa de Larenn Estè e ki jan verite ke li te bay lan te sove pèp Jwif lan. Gen nan nou ki gendwa konnen istwa sa. Sa ki pi bèl nan istwa Bib la yo, se chak fwa ou tande yonn, ou aprann yon nouvo bagay. M ap mande m kisa ou pral aprann jodia.

Byen lontan, Zeksèz te wa wayòm Pès lan. Li tap chache yon madanm e li fè tout bèl medam nan peyi a vin pase yon ane nan palè li a. Yo te pran trètman bote pou yo pare tèt pa yo pou wa a. Aprè sa, wa a tap chwazi yonn nan yo pou larenn nan.

Yonn nan jenn medam sa yo se te Estè. Li pa t sèlman bèl, men li te brav tou. Men yon bagay ou gendwa pa t konnen de Estè–li pa t gen ni manman ni papa. Se vre! Se kouzen li, Madoche, ki te leve li aprè paran li te mouri. Lè yo te chwazi Estè ale nan tanp lan pou yon ane, Madoche di Estè piga li di okenn moun ke se yon jwif li ye, paske anpil moun nan wayòm Pès la te rayi jwif yo. Nan fen ane a, se Estè wa a te chwazi pou larenn nan.

Aprè Estè te vin larenn, yon nonm ki rele Aman te vin sèvi anba Wa Zeksèz. Aprè wa a, se Aman ki te gen plis pouvwa. Aman te rayi depi se jwif ki genyen nan peyi a. Li te rayi Madoche sitou paske Madoche pa t janm vle mete l ajenou devan Aman. Tout lòt moun yo te mete yo ajenou paske Aman te gen anpil pouvwa.

Aman te sitèlman fache ak Madoche ke li fè yon konplo pou li fè touye Madoche. Aman, ki konnen ke Madoche se yon jwif, vin ekri yon lwa ki di ke tout jwif pral mouri–yo pral touye yo–nan 13èm jou 12èm mwa. Se konsa, Aman twonpe wa a pou wa a siye lwa a, e sa vle di ke Aman te gendwa fè touye Madoche, e ke anpil lòt jwif tap pral mouri tou.

Madoche ak lòt jwif yo tande lwa sa a, e yo te boulvèse e chagren anpil. Madoche voye yon moun al di Estè kisa ki pase. Estè vin wè ke li te ka mouri tou ansanm ak tout lòt jwif yo si tout sa te rive vre.

Madoche sipliye Estè pou l ale devan wa a, pou l mande wa a sove jwif yo. Estè te pè fè sa pou 2 rezon. Anpremye, nenpòt moun ki abòde wa a san se pa wa ki rele ou

Page 51: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

46 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 2Seksyon 5 Leson 6

gendwa mouri. Epitou, si l fè wa konnen ke li se yon jwif, li tap mouri kanmenm nan fen ane a. Men li te konnen ke li te oblije sove pèp li a.

Estè apwoche wa a san wa a pa rele li. Olye fè touye li, wa a te kontan wè Estè. Estè te envite wa a ansanm ak Aman vin nan yon dine ke li tap bay. Aman te sitèlman kontan ke li te envite al manje ak wa a ansanm ak larenn ke li al di madanm li ak tout zanmi li sa.

Nan dine a, wa a mande Estè kisa li te vle, men Estè envite yo vini ankò nan yon lòt dine ankò nan demen. Estè di ke se nan demen, li tap di wa a kisa li vle.

Nan demen lè yo sou tab, Estè di wa a ke li se yon jwif. Li te wa a ke Aman te vle touye ni li menm, ni tout lòt jwif nan peyi a. Wa a te fache anpil e li te fè touye Aman pito.

Men te toujou gen yon pwoblèm. Nan wayòm Pès lan, si wa a siye yon lwa, menm wa pa gendwa ni chanje ni anile yon lwa ki gentan siye. Men wa a te gen lespri. Li ekri yon lòt lwa ankò ki di ke jwif yo gendwa gen zam e sanble ansanm pou yo pwoteje tèt pa yo. Tout moun te vin konnen de dezyèm lwa sa, e yo pa t eseye touye jwif yo. Epitou wa a te vin fè Madoche pran plas Aman nan gouvènman li an.

2. Eksplore Bay VeriteObjektif: Timoun ap demontre ke nou dwe bay verite a menm lè nou pè.

Bondye vle pou nou bay verite a nan tout sa nou fè. Li toujou bon pou nou bay verite a, menm si nou pa konnen ki konsekans k ap genyen.

Chwazi plizyè timoun pou jwe wòl moun nan istwa Estè. w ap bezwen Estè, wa a, Aman ak Madoche. Esplike timoun yo ke yo pral bay istwa a, men fwa sa yo pral di kisa ki tap pase si Estè pa t bay verite ke li te yon jwif. Bay timoun yo kèk minit pou yo deside ki jan y ap jwe wòl yo. Pandan 4 timoun sa yo ap pale e deside, chante kèk ti chan ak rès timoun yo.

Aprè skètch lan, poze timoun yo kesyon sa yo:

• Ki jan ou panse Estè te santi li lè li konnen ke si li bay verite a, li gendwa mouri?

• Kisa ou tap fè si ou te Estè?

• Kisa ou panse Bondye vle nou aprann de bay verite a nan istwa sa?

Page 52: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

47KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 2 Seksyon 5Leson 6

3. Mennen Vi w ak VeriteObjektif: Timoun ap deside bay verite a pou yon semènn.

Bay chak timoun yon ti wòch. Di yo yo ka mete li nan pòch yo nan semènn kap vini an. Lè yo tante pou yo bay yon manti, di yo pou yo mete men nan pòch e manyen ti wòch la. Ti wòch sa ap fè yo sonje ke Bondye vle pou yo bay verite a, menm lè li difisil. Lè yo manyen ti wòch la, yo dwe repete vèsè nan Bib la ke yo te aprann semènn pase.

Mande kèk nan timoun yo resite vèsè ke yo te aprann semènn pase a.

Senyè a pa vle wè moun k’ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.

Pwovèb 12.22

Fèmen ak lapriyè e mande Bondye ede chak timoun mennen vi li ak verite semènn sa.

Page 53: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

48

Bay Verite 3Seksyon 5 • Leson 7Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Bondye vle pou nou bay verite sou poukisa nou kwè nan Li.

Jodia timoun yo ap mete an pratik jan pou yo pale de verite Bondye a.

Jodia timoun deside kisa y ap di lè yon moun mande yo pale de verite Bondye a.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Materyèl pou w bati yon «zayat»—bwat katon, branch bwa, ak dra (wè Pati 2). Si ou pa ka bati yon «zayat,» pran yon bwa epi fè enpe kare atè ke 3 oubyen 4 timoun ka chita nan yo. • Si w vle: Yon Kat jewografik de tout latè

LÈ POU LESON AN1. Kalite Karaktè yon Moun: Bay Verite

Objektif: Timoun ap revize ki jan yo te fè nan bay verite nan semènn ki sot pase a.

Mande timoun yo si wòch la ke w te ba yo semènn pase te fè yo sonje pou yo pa bay manti.

• Eske li te difisil pou w fè semènn nan pa bay manti?

• Eske ou panse ou te ka fè yon ane san bay manti?

• Yon moun saj te di yon lè, «Yon bon abitid osi difisil pou yon moun kite ke yon move abitid.» Panse ak abitid bay verite a. Kisa nonm saj sa te vle di?

• Kòm Kretyen, kisa nou dwe fè si nou vin wè nou bay yon manti?

Sanble timoun yo ansanm nan yon wonn. Esplike yo ke nou pral fè kòm si n ap vwayaje, e nou prale nan yon peyi pou nou pale moun de Bondye. nan peyi kote nou prale a, pi fò moun yo pa kwè nan Bondye. nou pral di yo gwo verite Bondye a.

Page 54: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

49KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 3 Seksyon 5Leson 7

Nou chak ap panse ak yon sèl bagay ke n ap pote nan vwayaj nou. Ou pral di konsa: M pral nan vwayaj e m ap pote __________. Premye moun nan ap di sa l ap pote a, epi moun ki vini aprè ap di NI sa moun avan li te di, epi sa li menm l ap pote a tou. Twazyèm moun nan menm, ap di ni sa de premye timoun yo te di y ap pote ansanm ak sa li menm li vle pote a. Se konsa chak moun ap repete sa moun avan li te di yo, ni sa li menm l ap pote a. Ou dwe koute byen pou w ka sonje tout sa moun yo di y ap pote. Epi lè tout moun fini, premye moun ki te kòmanse a ap repete sa tout moun nèt te di.

Konsèy pou Pwofesè: Si ou gen anpil timoun nan klas la, ou gendwa separe yo nan plizyè gwoup pou yo fè aktivite sa.

• Ki jan le fèt ke ou pral pale moun de Bondye ede ou deside kisa ou pral pote nan vwayaj sa?

• Ki jan ou tap santi ou si w te konnen ke bay verite sou Bondye gendwa mete ou an danje?

• Si bay verite a sou Bondye mete w an danje, kisa ou sipoze fè oubyen kisa ou pa sipoze fè? Poukisa?

• Kisa ou panse Bondye panse lè yon moun pale lòt moun de li menm?

• Si ou bay anpil manti, epi ou di yon moun ke Bondye renmen lè nou bay verite, èske moun sa ap plis afekte pa manti ke ou bay yo, oubyen sa ou di li de Bondye? Poukisa?

Istwa nou jodia se sou yon misyonè. Se pa yon istwa nan Bib la. Se yon vrè istwa de yon nonm ki te sitèlman renmen Bondye ke li te vle pataje amou Bondye ak tout moun–menm lè sa te gendwa mete li an danje.

MISYONÈ ADONIRAM JUDSON

Apepre 200 an aprè, nan ane 1813, te gen yon nonm ki te rele Adoniram Judson, ki te ale ansanm ak madanm li nan peyi Burma, ke yo rele Miyannma kounyeya. Yo te ale kòm misyonè. Lè yo te rive, yo pa t pale lang moun peyi sa. Yon nonm ki te yon prèt boudist te di li tap anseye yo lang moun peyi Miyannma.

Si w gen yon kat jewografik, montre timoun yo kote peyi a ye, e ki jan li lwen Ayiti.

Aprè 6 an ap viv pami moun sa yo, aprann lang yo, e tradwi 2 ti liv Kretyen ak levanjil Matye nan lang moun sa yo, pa t ankò gen yon sèl grenn moun ki te vin swiv Bondye. Adoniram te dekouraje anpil. Non sèlman pèp sa pa t enterese nan Bondye, yo pa t menm vle pale ak Adoniram.

Maung Shwa-gnong te konnen poukisa pèsonn pa t vle pale ak Adoniram ak madanm li. Li di Adoniram ke nan peyi Miyannma, si yon moun vle pale de relijyon, li sipoze bati yon ti kay ki rele yon «zayat.» Yon zayat se yon ti kay pay ki bati sou bwa. Yo te sipoze konstwi li sou yon wout nan vil la kote lòt yo te ye a. Se nan zayat

Page 55: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

50 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 3Seksyon 5 Leson 7

ke nonm vilaj la yo te konn sanble pou yo pale sou filozofi ak relijyon. Se sèlman la ke moun yo te dakò pou yo pale sou relijyon.

Adoniram byen kontan pou l konstwi zayat li an, e pou l chita anba ti kay pay la pou l pale ak nenpòt moun sou Bondye Vivan an. Yon premye moun vini, aprè sa, yon lòt, epi yon lòt ankò.

Yon nonm mande Adoniram kisa Bib la di de panse yon moun. Adoniram di li ke Bib la di nou sipoze panse ak bagay ki bon, ki merite lwanj. Jan nou reflechi, se konsa nou aji. Yon moun ki panse ak sa ki vre ak bay verite nan tout sa li fè.

Nonm nan ki te poze kesyon an di non, li pa posib pou yon moun toujou bay verite. Li pa t kwè ke yon moun te ka viv san li pa bay verite. Sa te etone Adoniram. Adoniram mande nonm nan, «Poukisa yon moun pa ka pa bay manti?»

Nonm nan di ke nan Miyannma, nenpòt sa wa a di se lwa peyi a. Si yon moun pa renmen sa wa a di, wa a te gendwa koupe tèt moun sa. Se konsa, tout moun te di sèlman sa yo panse wa a oubyen ofisyèl wa a yo tap vle tande, menm si se te manti. Se sèl fason yon moun te ka rete vivan.

Adoniram vin konprann ke verite Bib la tap difisil pou pèp sa asèpte. Li di nonm nan ke swiv Jezi baze sou verite. Moun ki kwè nan Bondye Vivan an sipoze fè e di sa ki vre.

Mesye yo panse ke ide etranj sa yo te gendwa danjere, men konvèsasyon an kontinye e mesye yo koute. Te gen yon bèl bagay nan verite ke Adoniram tap bay yo. Te gen nan mesye yo ki te vle kòmanse viv nan yon nouvo fason pou fè Bondye plezi–menm si sa te danjere.

Yon jou, yon nonm ki rele Maung Nau deside swiv Jezi. Li te brav anpil! Li te vle batize pou l montre tout moun ke li renmen Bondye Vivan an. Bondye te tande priyè Adoniram! Ti legliz vil yo a te gen premye manm li, e avan twò lontan, te gen lòt moun ki te swiv egzanp nonm sa.

• Poukisa moun Miyannma yo te twouve li difisil pou yo bay verite?

• Kisa ou panse ki te konvenk Maung Nau swiv Bondye?

• Nou pa konnen kisa ki te rive Maung Nau. Ki jan ou panse Bondye te sèvi avèk li pandan lavi li?

• Swiv Jezi se yon bagay ki baze sou verite. Ki verite enpòtan ou konnen sou swiv Jezi e sou Bondye Vivan an?

Page 56: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

51KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 3 Seksyon 5Leson 7

2. Eksplore Bay VeriteObjektif: Timoun ap pale sou verite enpòtan nan Bib la nan zayat yo.

Adoniram te swiv koutim pèp Miyannma e te konstwi yon zayat. Moun te chita anndan zayat li e te pale sou bagay ke yo te kwè. Zayat la te yon ti kay pay. Jodia nou pral konstwi ti zayat pou nou menm tou. Aprè, nou pral chita anndan yo pou nou pale sou Bondye.

Si li pa posib pou w sèvi ak branch bwa ak dra pou w konstwi yon zayat, mande timoun yo pran yon bwa oubyen lakrè e mete yon kare atè a pou 3 ou 4 timoun ka chita ladan l. Yo ka fè kòm si se yon tant.

Fè timoun yo chita nan gwoup 3 ou 4 timoun pou yo fè yon zayat. Kite timoun yo sèvi ak imajinasyon yo pou yo konstwi zayat la. Yo ka fè nenpòt ti kay yo kapab. Yo ka mete chèz pou miray ak yon dra anlè, oubyen branch bwa ak fèy–sa yo jwenn.

Lè yo fin konstwi, mande timoun yo chita nan zayat yo. nan ti gwoup yo, yo sipoze reponn kesyon sa yo. Yo sipoze panse ak istwa nan Bib la ki demontre verite sa yo.

• Ki jan ou fè konnen gen yon Bondye Vivan?

• Ki jan ou fè konnen ke sa se verite: «Bondye renmen m. Li se Papa m nan syèl la.»

• Eske li tap difisil pou granmoun nan peyi nou an pale moun sou verite Bondye a, sitou ak moun ki pa janm tande pale de Bondye? Ki difikilte yo tap kontre? Eske li vo lapenn?

• Si yon moun mande w, «Ki jan ou fè konnen Bib la vre?», kisa ou tap reponn yo?

Rakonte timoun yo nenpòt istwa ou konnen sou yon moun ki te bay verite sou Bondye nan peyi ou, menm si sa te danjere pou li. Gen moun ki gendwa menm mouri paske yo te bay verite Bondye a.

3. Mennen Vi w ak VeriteObjektif: Timoun ap fè kòm si y ap bay lòt moun verite Bondye a.

Lè ou renmen Bondye, pafwa li ba ou okazyon pou w pale lòt moun de li menm. Nou pral pratike bay verite Bondye ak lòt moun, pou lè moman an rive vre, lè ou rankontre yon moun ki pa konnen Bondye e ou vle bay li verite Bondye, w ap konnen kisa pou w di.

Mete timoun yo nan pè, nan gwoup de 2. Di yo chwazi ant yo menm kilès nan yo k ap nimewo 1 ak kilès nan yo k ap nimewo 2. Aprè sa, kite yo pratike wòl sa yo.

Page 57: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

52 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 3Seksyon 5 Leson 7

Premye Skètch Nimewo 1, ou se yon timoun ki pa konnen anyen de Bondye Vivan an. Nimewo 2, ou se yon Kretyen, e w ap di sa ou konnen de Bondye Vivan an. Nimewo 1, ou mèt poze kesyon pou w kontinye konvèsasyon an.

Dezyèm Skètch Nimewo 2, ou se yon manm fanmi ki abite byen lwen. Ou vin vizite kay sa, e ou vin twouve ke fanmi ou ki abite la se Kretyen. Ou mande Nimewo 1 kisa sa vle di. Kounyeya, n ap mennen yon konvèsasyon pou nou dekri kisa sa vle di pou noui abite nan yon fwaye Kretyen.

Twazyèm Skètch Nimewo 1, w ap panse ke yon jou Bondye gendwa vle ou vin yon misyonè oubyen pastè pou w al pale moun de verite Bondye a. Nimewo 2, ou se yon Kretyen tou, men ou panse ke Bondye vle pou w fè biznis e mennen biznis ou yon fason pou w fè Bondye plezi. Pale ak yonn lòt sou kòman toulè de bagay sa yo se bon fason pou nou pataje pawòl Bondye.

Chwazi yon chan ke timoun yo konnen e fèmen ak chan sa.

Page 58: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

53

Bay Verite 4Seksyon 5 • Leson 8Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Bondye deteste bay manti.

Jodia timoun yo ap deside fè Bondye plezi e deside bay verite.

Jodia timoun deside ke y ap pran yon zanmi pou ede yo bay verite.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Okenn

LÈ POU LESON AN1. Prezante Bay Verite

Objektif: Timoun pa gen okenn dout ke Bondye deteste bay manti.

Li sa pou timoun yo pou w kòmanse klas la.

Lè nou bay manti e moun vin konnen ke nou bay yo manti, yo pa fè nou konfyans ankò. Manti a vin fè nou plis mal ke byen.

Lè nou bay verite, moun respekte nou pou sa. Yo respekte nou menm si nou oblije admèt yon defo nan tèt pa nou. Tout moun fè erè. Pa gen moun ki san defo. Tout moun konprann sa e yo pito gen yon zanmi ki onèt ke yon zanmi ki bay manti pou l soti anba pwoblèm.

Kòm Kretyen, nou sipoze bay verite nan tout sa nou di e tout sa nou fè. Lè nou bay manti, nou pap sèlman bay moun manti, men nou bay Bondye manti tou. Bondye konnen tout bagay de nou menm. Li konnen lè n ap bay manti. Manti a pa vo konsekans ke li pote.

Men yon istwa nan Bib la ki rakonte move konsekans 2 moun te genyen poutèt manti yo.

Nan Bib la, nan liv Travay la, gen yon istwa de yon mari ak yon madanm, Ananyas ak Safira. Ananyas ak Safira te gen yon teren ki te pou yo ke yo vann. Yo deside pran

Page 59: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

54 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 4Seksyon 5 Leson 8

moso nan lajan teren an e bay legliz Jerizalèm li. Pyè te yon ansyen nan legliz la. Ananyas te wè yon lòt nonm ki tap pote lajan bay Pyè. Lòt nonm nan te vann yon teren li te genyen e li bay tout lajan an pou legliz la ka bay moun ki malere. Ala bèl bagay pou moun nan fè!

Ananyas vin di Pyè ke li menm ak Safira yo te vann yon teren tou. Ananyas di konsa, «M vle bay tout kòb lavant teren sa pou m ede Kretyen bò isi a ki nan bezwen.» Ananyas te bay manti. Se moso nan lajan an li vin bay, men li di ke se te tout lajan an.

Bondye vin di Pyè ke Ananyas tap bay manti. Pyè di Ananyas, «Ou te ka fè nenpòt sa ou vle ak lajan sa. Lajan an te pou ou, wi! Ou te ka bay nan lajan an e kenbe moso pou ou. Men ou vin di m ke sa ou pote a se te tout lajan teren an. Ou banm manti, e ou bay Bondye manti tou!»

Lè Pyè te fin pale, Ananyas tonbe atè, li mouri frèt.

Yon ti tan aprè, Safira, madanm Ananyas, vin antre. Li pat konnen kisa ki te pase mari li. Pyè mande Safira si lajan yo te bay la se te tout, obyen moso. Safira bay menm manti ak mari li, Ananyas. «Wi, nou te bay tout lajan an pou travay Bondye.» Sa te fè Pyè fache. Safira tap bay Bondye manti tou. Pyè di li ke Ananyas te mouri poutèt manti li te bay la, e ke li menm, Safira, li tap mouri tou. La menm, Safira tonbe atè, li mouri.

Lòt moun ki te swiv Jezi yo te wè sa ki te pase si yon moun te panse li te ka bay Bondye manti.

• Poukisa ou panse Ananyas te bay Pyè manti sou lajan li tap bay lan?

• Poukisa ou panse Bondye te fè ni Ananyas ni Safira tonbe mouri pou manti sa?

• Eske Bondye ap fè nou tonbe mouri si nou bay manti tou?

Asire ke timoun yo konnen ke Bondye p ap fè nou tonbe mouri si nou bay manti. L ap tris anpil, men li p ap touye yo.

Nan istwa nou jodia, legliz la te fenk kòmanse. Bondye te vle demontre nouvo Kretyen yo jan li enpòtan pou nou di Bondye verite. Istwa sa te fèt avan Nouvo Testaman an te ekri. Kounyeya lè nou li istwa 2 moun sa yo, Bondye vle fè nou sonje ke nou pa sipoze bay li manti, e nou pa sipoze bay lòt moun manti tou.

• Poze tèt pa ou kesyon: Eske ou konn bay manti? Ki jan ou santi w aprè ou bay manti?

• Eske bay manti a fè w echape pwoblèm?

• Kisa ki rive lè yon moun vin konnen nou te bay manti?

Page 60: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

55KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

BAY vERITE 4 Seksyon 5Leson 8

2. Eksplore Bay VeriteObjektif: Timoun ap chwazi kèk ti objè ki pou ede yo sonje pou yo pa bay manti.

Pafwa nou bezwen yon ti bagay ki pou ede nou sonje pou nou bay verite. Jodia n ap chache yon bagay ki pou ede nou sonje sa, yon bagay ke n ap pote avèk nou.

Fè yon ti pwomennen deyò a ak timoun yo. Fè chak timoun chwazi yon ti bagay–yon ti fèy, yon ti moso bwa, oubyen yon lòt ti wòch ankò. Di yo pou yo kenbe ti objè a nan pòch yo oubyen yon lòt kote ke y ap ka wè li souvan.

Esplike ke ti objè sa ap sèvi pou l raple yo pou yo bay verite a. Yo ka kenbe l avèk yo, e chak fwa yo touche li, sa ka raple yo, «Pa bay manti. Bondye rayi manti.»

Konsèy pou Pwofesè: Pandan wap mache ak timoun yo, poze yo kesyon e fè ti pale avèk yo sou sa yo renmen, e kisa yo renmen fè. Elèv yo gendwa pa poze ou menm kesyon yo, men ou dwe reponn a sa timoun nan di e bay repons pa ou tou. Montre yo ke se konsa konvèsasyon ye–yon moun pale, aprè, lòt la pale. Aprè timoun yo fè sa souvan ase, timoun yo ap aprann koute e poze yonn lòt kesyon tou.

3. Mennen Vi w ak VeriteObjektif: Timoun ap chwazi yon lòt timoun pou priye avèk li e fè l sonje pou l pa bay manti.

Ankouraje chak timoun chwazi yon lòt timoun nan klas la. Tifi sipoze chwazi yon lòt tifi, ti gason ap chwazi yon ti gason. Di elèv yo ke zanmi sa yo sipoze mande yonn lòt, «Eske ou te bay verite jodia?» Aprè timoun nan reponn, li menm l ap poze lòt la kesyon an tou. Bay timoun yo kèk minit pou yo jwenn zanmi yo. Yon gwoup mèt gen 3 timoun, men pa plis ke sa.

Fèmen klas la ak lapriyè. Fè timoun yo priye ak ti zanmi yo a. Fè yo priye ke chak jou Bondye va ede yo pa bay manti.

Page 61: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

56

Atik Siplemantè

Ede Timoun Metrize Enkyetid YoCarey Sturgeon

Kisa ki rele Enkyetid?

Enkyetid se lè yon moun santi li mal-alèz, oubyen li pè yon bagay. Se yon santiman kote yon moun santi li sou presyon, li nève, e li ap panike. Moun ki enkyèt gen kè k ap bat fò, vant yo gendwa fè yo mal, men yo gendwa ap tranble, pla men yo gendwa ap swe, yo gendwa toudi, oubyen gen tèt fè mal. Gen timoun ki devlope kèk abitid ki demontre enkyetid yo, abitid tankou, manje zong, jwe nan cheve yo, oubyen souke janm yo.

Poukisa timoun 9–11 an gen pou yo enkyèt?

•Pèfòmans yo–ki jan yo ap travay nan lekòl oubyen nan yon ekip

•Aparans yo–ki jan yo parèt, si yo kwè l bèl

•Pwoblèm sosyal–fè zanmi, kont ak lòt timoun, si yo santi yo fè pati gwoup la

•Sekirite yo–de yo menm ak moun ke yo renmen

•Lanmò

•Pwoblèm global–lagè, terorizm, dezas natirèl

Kilè Enkyetid la tounen yon pwoblèm?

•Enkyetid la tounen yon pwoblèm lè yon timoun enkyèt pou yon bagay ki pa apropriye pou laj li. Pa egzanp, pi fò timoun nan laj 9–11 an pa pè lou-gawou, yo pa pè fènwa, ni eklè oubyen loraj.

•Enkyetid la tounen yon pwoblèm lè li sitèlman fò ke timoun nan boulvèse.

•Enkyetid la tounen yon pwoblèm lè li afekte relasyon timoun nan ak lòt moun, oubyen aktivite timoun nan chak jou.

•Si yon timoun demontre bagay sa yo, li gendwa bezwen asistans yon doktè.

Ki jan ou ka ede yon timoun ki enkyèt?

Koute e demontre simpati. Menm si yon pwoblèm parèt piti pou yon granmoun, pou yon timoun, se yon pwoblèm ki reyèl vre. Avan ou ka mete yo alèz, timoun nan dwe santi ke yon moun sipòte li e konprann li.

Page 62: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

57ATIK SIPLEMAnTè

EDE TIMOun METRIzE EnKYETID YO

Pale avèk timoun nan. Anpil fwa timoun enkyèt paske yo pa konprann yon bagay. Pa egzanp, yon timoun gendwa pè loraj. Si w esplike ke se yon gwo bri ki pa danjere sèlman, sa gendwa rabese enkyetid li. Lè timoun gen kesyon sou gwo bagay tankou lagè, esplike yo avèk enfòmasyon ki vre, e esplike kisa granmoun ap fè pou yo ede rezoud pwoblèm nan.

Bay timoun nan yon lòt pèspektiv. Lè timoun enkyèt pou ti bagay piti, tankou yon egzamen li pa pase, oubyen yon wont li pran, esplike li ke pwoblèm konsa se pwoblèm ki ka rezoud e ki pa la pou anpil tan. Esplike li ke l ap gen okazyon pou l eseye ankò. Anseye timoun nan pou li gen espwa e pou li gen kouraj.

Rezoud pwoblèm nan. Pale ak timoun nan pou w ka ede li chache solisyon nan pwoblèm li. Bat pou se pa ou kap rezoud pwoblèm nan pou li.

Rekonfòte e rasire li. Pafwa lè timoun enkyèt, li bezwen yon moun kenbe li, fè ti pale avèk li, oubyen pase yon ti tan ap amize l ak yon moun ke li renmen.

Mete yo alèz. Montre timoun nan jan pou l kalme li, ralanti batman kè li nan pran gwo souf, imajine yon kote li renmen ale, relache bra, pye, kou ak epòl li.

Ede yo reflechi yon fason ki pozitif. Anseye timoun nan pou l pale ak enkyetid li. Li ka di tèt pa li ke tèl ou tèl move bagay gendwa pa rive, e menm si li rive, se pa yon gwo bagay vre.

Fè fas a krent lan. Pa kite krent lan kontwole timoun nan, ni pa kite timoun nan evite sa lil pè a. Rebati konfyans li e ankouraje li eseye nouvo bagay.

Li Bib e priye ansanm. Pale sou pwomès Bondye e priye pou timoun nan lage enkyetid yo e bay Bondye sa.

Mennen vi w pou w yon egzanp. Bay timoun nan yon bon egzanp nan fason ke w reponn a pwoblèm ou menm. Demontre timoun nan ke ou gen konfyans e ou kwè ke Bondye va ede ou ak pwoblèm ou yo.

Page 63: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

58

Panse PozitifSeksyon 5 • Leson 9Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: Panse pozitif ede m gen yon atitid pozitif tou.

Jodia timoun yo ap aprann ke konsantre sou bagay pozitif ap ranplase bagay negatif.

Jodia timoun deside konsantre sou bon bagay pozitif e mete jwa nan lavi yo.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Yon tablo ak lakrè, oubyen yon gwo fèy papye ak yon fet.

LÈ POU LESON AN1. Yon fason nou ka gen bon relasyon ak moun

Objektif: Timoun ap aprann ke nou ka ranplase move panse ak panse pozitif.

Ann fèmen je nou pou nou imajine yon bagay. Eske ou ka fè sa? Ou gendwa anvi ouvri je ou pou w gade, men si w fè sa, w ap gate jwèt la. Kenbe je w fèmen pandan m ap pale.

Oke, tout moun fèmen je. (Si w wè timoun ki pa fèmen je yo, voye men sèlman pou w di yo fèmen je yo.) Kounyeya imajine ke gen yon gwo bèt ki lèd anpil. Li gen gwo je, dan long ki file. Bèt la gwo anpil e li fè ou pe. Li parèt reyèl e li terib.

Kounyeya sispann panse ak gwo bèt sa. Mete l deyò panse ou. Se pa yon bon bagay pou w panse. Sispann panse ak sa. (Fè silans pou 5 segonn.) Kounyeya leve men w si ou gentan sispann panse ak sa.

Mèsi. Ou mèt desann men w. Kounyeya ak je fèmen toujou, imajine yon pakèt ti koukouy nan yon chanm ki pa gen limyè. Y ap vole e yo bèl anpil. W ap gade yo e w ap mande ki jan yo fè limen nan fènwa konsa. Leve men w si ou sispann panse ak gwo bèt mechan an.

Ou mèt ouvri je kounyeya.

Page 64: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

59KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

PAnSE POzITIF Seksyon 5Leson 9

Lè m te premye di w sispann panse ak vye bèt la, li pa t fasil, se pa vre? Men, kilè ou te sispann panse avè l? Se lè ou te kòmanse ap panse ak koukouy, se lè sa ou te sispann panse ak gwo bèt la.

Ebyen se sa nou bezwen fè lè nou gen move lide oubyen lide k ap fè nou pè nan tèt nou. Pou nou sispann panse ak vye bagay, fò nou ranplase panse sa yo ak bon bagay, panse ki pou fè kè nou kontan.

2. Eksplore jan nou ka gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun ap aprann yon vèsè sou mete bon panse nan tèt nou.

Men yon vèsè nan Bib la ki di nou ki panse Bondye vle nou mete nan tèt nou.

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p’ap fè nou wont.

Filipyen 4.8

Kounyeya annou egzamine kisa vèsè a vle di.

Nou sipoze reflechi sou bagay ki BON.

• Ki bagay ki bon?

Timoun yo gendwa di amou Bondye, amou nou gen pou lòt moun, bonte Bondye, etc.

Aktivite:

Fè 7 gwo wonn sou tablo a oubyen sou plizyè fèy papye. nan yonn nan wonn yo, ekri BOn. Pandan elèv yo ap bay repons a kesyon sa ki bon an, ekri repons timoun yo anndan wonn nan.

Fen opsyon

Fè menm aktivite sa pou toule 7 mo yo–BAGAY KI MERITE LwAnj, BAGAY KI vRE, BAGAY KI KòRèK, BAGAY KI DwAT, BAGAY KI BèL, BAGAY KI P’AP Fè nOu wOnT. Sa ap ede timoun yo konprann tout ide sa yo e panse ak bagay ke yo ka mete nan tèt yo. Kontinye bay yo ide pou ou ka ankouraje yo panse ak plis ide yo menm tou.

Page 65: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

60 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

PAnSE POzITIFSeksyon 5 Leson 9

3. Viv yon fason pou w gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun ap jwe yon jwèt kap ede yo ranplase panse negatif ak panse pozitif.

Si nou kòmanse panse ak bon bagay, nou ka detwi move ide ki nan tèt nou. Pa egzanp, si ou vle sispann enkyèt de sè ou ki malad la, panse ak ki jan Bondye gran, e jan li pran swen pitit li.

Si ou pè fènwa, ou ka aprann vèsè sa yo pou lè ou santi ou pè.

Men kèk vèsè timoun yo ka aprann. Som 27.1; Ezayi 41.10, 13; jan 14.27; Ebre 13.6.

Si ou fache poutèt jan yon moun aji avèk ou, ou ka priye pou moun sa olye de rete fache avèk li.

Konsèy pou Pwofesè: Ou ka sèvi ak bèl imajinasyon ke Bondye te bay timoun yo kòm yon zouti pwisan e itil. Li twa egzanp yo ankò, men fè yo imajine jan Bondye ap pran swen moun ki malad, imajine tèt pa yo ap kanpe nan limyè ap resite vèsè, e imajine yon moun ki te fè yo kèk mal ki vin repanti e mande yo padon.Kounyeya annou jwe yon jwèt.

Separe timoun yo nan 2 gwoup. Premye gwoup la ap bay yon sitiyasyon kote yon moun gen kèk panse negatif. Dezyèm gwoup lan menm ap bay ide de ki jan moun nan ka chase move panse yo. Aprè sa, chanje gwoup yo. jwe plizyè fwa.

Tèmine klas la nan chante kèk chan pou bay timoun yo kè kontan. Di timoun yo ke chante se yon lòt fason pou w retire move lide nan tèt nou. Lè nou chante, sa chase panse negatif.

Page 66: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

61

Gen Kè KontanSeksyon 5 • Leson 10Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: Devlope yon atitid pozitif

Jodia timoun yo ap aprann li posib pou yo gen yon bon atitid menm nan difikilte.

Jodia timoun deside swiv egzanp jozèf e, ak asistans Bondye, devlope bon atitid.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Koupe imaj kontan/tris ki nan fen leson an.

Yon lòt opsyon: • Yon wonn an papye ak yon epeng pou chak timoun, materyèl pou yo dekore papye a.

LÈ POU LESON AN1. Yon fason nou ka gen bon relasyon ak moun

Objektif: Timoun aprann 2 fason yo ka reponn a sitiyasyon ki difisil–1) yo ka santi yo deprime, oubyen 2) yo ka gen kè kontan e yon atitid pozitif.

Chwazi 2 timoun ki pou ede ou rakonte yon istwa. Bay premye timoun nan imaj figi tris lan. Di li ke pandan w ap rakonte istwa sou Figi Tris, li sipoze desann figi a. Chwa fwa ou pran yon ti poz e ou di, «Lèfini…,» li sipoze desann Figi Tris yon ti kal.

Dezyèm timoun nan ap kenbe sa ki gen kè kontan/kè tris an, Rebondi, pou lè ou rakonte istwa Rebondi a. Pandan w ap rakonte istwa Rebondi, timoun nan sipoze kòmanse ap kenbe bò ki tris la anlè. Chak fwa ou poze e di, «Lèfini…,» l ap kouri vire figi a pou lòt vizaj la parèt. Bò tris la se pou lè Rebondi tris, epi lòt bò a se pou lè Rebondi kontan.

Nou gen 2 moun enteresan avèk nou jodia. Sa se Figi Tris. M pa konn poukisa li gen non etranj sa. (Kenbe Figi Tris anlè.) Epi, sa, sa rele Rebondi. Pafwa li tris, men li kouri

Page 67: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

62 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

GEn Kè KOnTAnSeksyon 5 Leson 10

fè kè l kontan (di «lèfini» byen dousman) LÈFINI…, li rebondi e li fè kè l kontan. (Vire figi a pou w montre bò ki gen kè kontan an.)

Sonje pou w di «Lèfini» byen dousman pou timoun nan ka konnen ki lè pou l desann figi li kenbe a.

Yon jou, Figi Tris tap mache nan lari a. Lamenm, wow!, yon machin pase voye dlo ak labou sou li. LÈFINI,…(asire ke timoun ki kenbe Figi Tris la desann li tou piti), li di konsa, «Gade jan jounen sa kòmanse mal, mezanmi. M konnen ke jodia pap yon bon jou pou mwen.» Li kouri ale lakay li pou l chanje rad li avan li ale lekòl. Manman l kouri dèyè l poutèt rad li ki sal la, menm lè sa pat fòt li, LÈFINI…li te fache poutèt sa. Lè li rive lekòl, yo te bay rezilta ki moun ki te fè mwayenn. Figi Tris pa t fè mwayenn, LÈFINI… li pat kontan poutèt sa. Lè li rive lakay li nan aprèmidi a, li wè ke sè li te fè mwayenn, LÈFINI…Figi Tris konnen li pap janm ka etidye pou l gen bon nòt menm jan ak sè li. Li tonbe ap kriye, e kriye, kriye toujou, sitèlman l ap kriye, LÈFINI…li pa ka fè anyen menm pou rès jounen an.

Kounyeya, Figi Tris rive byen ba.

Bon, annou kontinye ak istwa Rebondi a.

Raple timoun nan ki kenbe Rebondi a pou l mete l sou bò k ap ri a, epi sonje pou w di LèFInI byen dousman pou w bay timoun nan chans pou l vire figi a.

Rebondi te abite nan yon pansyon ak 40 lòt timoun. Yon jou, li te nan yon magazen e li te wè yon manman ki tap achte yon bèl kamera pou pitit li. Li te tris paske li te konnen li pa gen moun pou achte bèl bagay konsa pou li. Aprè li vin sonje rad tou nèf ak liv ke li te resevwa lè Nowèl la, LÈFINI… (timoun nan vire vizaj la), li di Bondye mèsi pou sa. Li vin santi l kontan ankò. Li konnen ke Bondye ap toujou ba li bon bagay.

Pandan l ap mache ale lekòl, li tande yon ti gason kap fawouche l ki di konsa, «Gade, men timoun ki pa gen manman ni papa ki vini nan lekòl nou an.» Zanmi ti gason an yo gade l, LÈFINI…, (mete figi tris la) Rebondi kontinye mache. Li te vin tris paske y ap fawouche l lan. Li te fache ak ti gason ki tap pale l mal la. Aprè sa, Rebondi vin di tèt pa li ke ti gason an pa t konn sa li tap di. Ti gason an pa t konnen ke Rebondi te gen yon papa vre–Bondye, LÈFINI… (mete figi kontan an), li souri nan li menm. Li te gen pi bon papa yon moun ka genyen–Bondye. Bondye ba li tout sa li bezwen. Bondye te renmen li plis pase tout papa. Rebondi te kontan pafwa, e li te tris pafwa. Men nenpòt lè li santi li tris, li raple l yon bon bagay nan lavi li, e li rebondi pou l gen kè kontan ankò!

Fè timoun yo bat bravo pou sa ki te kenbe Figi Tris ak Rebondi.

Page 68: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

63KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

GEn Kè KOnTAn Seksyon 5Leson 10

2. Eksplore jan nou ka gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun vin konprann ke yon bon atitid ka ede yo simonte pwoblèm yo.

Nou tout gen bon jou, nou tout gen move jou.

• Kilè ou santi ke ou eksite, ke ou jwaye, ke ou gen lapè, ke ou kontan?

Montre Rebondi ak vizaj kontan an e kite timoun yo reponn.

Pafwa lavi nou gendwa pa bon.

• Kilè ou santi ou tris, oubyen fache, oubyen mal-alèz?

Montre bò tris Rebondi a e kite timoun yo reponn.

Kounyeya annou gade kisa ki ka ede nou menm nou rebondi. (Kounyeya mete bò kontan an ankò.) Rebondi li menm li aprann jan pou l gen yon bon atitid nan lavi li. Lè li santi li tris, li eseye panse ak yon bon bagay pou l ranplase tristès li. Li chanje atitid li.

Esplike ke jodia tout moun pral aprann istwa jozèf lan. nou jwenn li nan jenèz 37–45.

Jakòb te gen yonn nan pitit gason li yo ke l te renmen plis pase lòt yo, se te Jozèf. Plis li montre Jozèf jan li renmen li, plis lòt yo vin jalou. Yon jou, Jakòb bay Jozèf yon bèl manto. Li pa t gen kado pou lòt frè yo. Lòt frè yo te fache anpil.

Pou fè bagay yo pi mal, Jozèf vin fè 2 rèv. Li di konsa, «Nan yon rèv mwen wè yon bann pake ble. Tout pake pa nou yo te vin mete ajenou devan pake pa m nan. Nan dezyèm rèv mwen, m wè solèy la, lalin, ak etwal k ap mete ajenou devan mwen.» Frè yo vin bon jan fache ak Jozèf ankò. Yo pa t kwè ke rèv sa yo te soti nan Bondye, men se Bondye ki te bay Jozèf yo vre.

Yon jou, frè yo te andeyò ap veye mouton yo, epi Jozèf vin parèt. Frè l yo pran li, rale bèl manto papa yo te ba li a, epi yo jete l nan yon pwi ki te sèk. Yo tap deside kisa pou yo fè–si te pou yo retounen vin touye li pita, oubyen kite l la pou l mouri ak grangou. Lamenm yo vin wè kèk moun k ap pase ki prale nan peyi Lejip, e yo deside vann Jozèf kòm esklav pito. Lè moun yo rive Lejip ak Jozèf, yo vann li a yon nonm ki te rele Potifa.

Poutan, nan peyi yo, frè yo menm pran manto Jozèf lan, yo mete san bèt ladan l. Yo al lakay yo bay papa yo manto a. Jakòb menm kriye byen fò e li di, «O mezanmi, bèt sovaj vin touye pitit gason m renmen anpil lan!»

Nan Lejip menm, Jozèf tap travay di pou Potifa e Potifa te vin fè l konfyans. Yon jou Madanm Potifa vin fè manti sou Jozèf e li di Jozèf te eseye atake li. Se konsa Potifa vin fè yo mete Jozèf nan prizon.

Page 69: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

64 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

GEn Kè KOnTAnSeksyon 5 Leson 10

Menm nan prizon, Bondye te avèk Jozèf. Menm nan tout eprèv sa yo, Bondye te montre Jozèf pou l mete konfyans nan li. Jozèf te aprann gen pasyans e aprann dirije moun. Chèf prizon an menm te vin wè kalite sa yo nan Jozèf e li te mete l an chaj lòt prizonye yo.

Yon jou, te gen twa moun ki te nan travay pou wa a ke yo vin mete nan prizon–se te chèf kanbiz ak chèf boulanje lan. Chèf kanbiz la te konn pote diven pou wa a, men avan wa bwè li, se chèf kanbiz la ki pou verifye ke diven an pa gen pwazon ladan l. Pandan nonm sa yo te nan prizon, toulè de te vin fè rèv nan menm jou swa a, e yo te vin di Jozèf rèv ke yo te fè a. Jozèf menm te esplike yo rèv ke yo te fè a. Li di chèf kanbiz lan ke aprè 3 jou nan prizon, yo tap lage li. E se sa ki te vin pase vre. Li di chèf boulanje a ke aprè 3 jou, se touye yo tap fè touye li. E sa te rive vre tou.

Aprè chèf kanbiz lan te soti nan prizon, li te retounen ap travay lakay wa a. Li bliye Jozèf nèt jouskaske wa a li menm vin fè yon rèv, e pèsonn pat ka di li kisa rèv la te vle di. Chèf kanbiz lan menm di konsa, «Wa, m konnen yon nonm ebre ki nan prizon ki ka di ou kisa rèv la vle di.»

Yo vin mennen Jozèf kote wa a. «Eske se vre ou ka di m kisa rèv mwen an vle di?» wa a mande Jozèf.

«Non, m pa kapab,» di Jozèf, «men Bondye kapab.»

Farawon menm–wa a–te vin di Jozèf rèv la epi Jozèf vin di li kisa rèv la te vle di. Jozèf di l konsa, «Rèv sa se Bondye kap avèti ou. Bondye vle di w konsa ke pral gen 7 an nan peyi a kote pral gen bon rekòlt, epi aprè sa, pral gen 7 an kote jaden moun p ap donnen menm. Ou dwe mete yon moun ki pou sere rekòlt yo pandan bon ane yo, se konsa ap gen ase manje pou tout moun nan sezon sechrès la.»

Farawon menm te sitèlman sezi e kontan lè l tande Jozèf ke li mete Jozèf chèf tout peyi a. Se sèl Farawon ki te gen plis otorite ke Jozèf nan tout peyi a. Se Jozèf ki te responsab fè yo sere ble a nan sezon kote te gen anpil rekòlt lan.

Aprè 7 an, vin gen sechrès nan peyi a kote pa t gen lapli. Men peyi Lejip la te gen ase manje. Moun te vin soti nan lòt peyi pou yo vin mande gouvènè peyi Lejip la ba yo manje. Yon jou, te gen kèk nonm ki te vin soti peyi Kanaran pou yo vin mande achte manje. Jozèf vin wè ke se te frè li yo. Aprè tout ane sa yo ke Jozèf te fè ann Ejip, frè l yo pa wè si se li. Men, yo vin mete yo ajenou devan gran chèf peyi Lejip la, ki se te frè yo, men yo pa t menm konnen. Yo te vin mete ajenou, menm jan 2 rèv Jozèf yo te prevwa.

Jozèf te deside bay yo eprèv pou l wè si yo chanje depi lè yo te vann li an. Li rele byen fò, «Nou se bann espyon!»

Page 70: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

65KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

GEn Kè KOnTAn Seksyon 5Leson 10

Frè yo di, «O non, mezanmi, nou vini sèlman pou nou achte ble. Nou tout gen menm papa. Papa nou te gen 12 pitit gason. Pi piti a lakay avèk papa nou, e lòt la mouri.»

Jozèf toujou akize yo e di se espyon yo ye, e li fè mete yo nan prizon. Aprè 3 jou, li di ke yo mèt ale lakay yo si yonn nan frè yo rete dèyè nan prizon pandan lòt yo ale chache pi piti a ki te rete lakay ak papa yo. Yo kite Simeyon nan prizon e yo bay lòt mesye yo ble pou yo ale. Lè frè yo rive lakay yo, yo ouvri sak ble yo, e yo jwenn tout lajan yo te peye ble a te nan sak yo. Se Jozèf ki te fè remèt lajan yo.

Aprè yon tan, ble Jakòb ak pitit gason li yo te vin fini ankò. Jakòb pat vle voye Benjamen ale peyi Lejip, men li te oblije pou rès fanmi li pa mouri ak grangou. Lòt frè yo di, «N ap pwoteje li.»

Lè frè yo rive ann Ejip e Jozèf premye wè Benjamen, li sitèlman kontan pou l wè li, Jozèf oblije kite sal la kote yo tout te ye. Li pa t ankò vle di yo ki moun li te ye, e li pa vle yo wè ke li kontan.

Yon fwa ankò, Jozèf bay frè yo eprèv. Li ba yo ble a, men fwa sa, li pran yonn nan gode palè a, li kache l nan sak ble Benjamen an. Aprè yo kite palè a, men yo pat ankò rive twò lwen, yonn nan sòlda wa a vin kanpe yo e akize yo, li di ke yo te vòlè bagay nan palè a.

Frè yo reponn, «Non, non! Nou pa fè bagay konsa! Si w vle, ou mèt fouye nou ak tout afè nou.» Ejipsyen an kòmanse fouye, e li jwenn gode a nan sak Benjamen an. Benjamen di ke li pat vòlè gode a vre, men tout frè yo oblije tounen nan palè a.

Lè Jozèf wè yo tounen, li di, «Sèl sa ki te pran gode a ap tounen esklav mwen. Rès nan nou mèt tounen al jwenn papa nou.»

Yonn nan frè yo di, « O non, si Benjamen pa tounen al jwenn papa nou, papa nou ap mouri ak kè kase. Pran mwen menm pito.»

Lamenm, Jozèf te konnen ke frè l yo te chanje. Plan li kote l te kache gode a nan sak Benjamen an te fè l konn sa. Olye de fè Benjamen rete kòm esklav, frè yo te prèt pou yo tounen esklav pou yo pwoteje li.

Jozèf fè tout moun kite sal la, sof frè li yo. Li di yo, «M se Jozèf, frè nou an. Se mwen menm nou te vann. Bondye beni mwen, e kounyeya nou ansanm ankò. Ou pa bezwen enkyèt ni fache ak tèt pa nou poutèt sa nou te fè m. Bondye sèvi avèk mwen isi a pou m bay moun lavi. Kounyeya, retounen al chache papa mwen e vin ann Ejip avèk li. M ap pran swen nou tout kounyeya.»

• Ki jan de bagay nan istwa sa te gendwa fè Jozèf tris?

Page 71: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

66 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

GEn Kè KOnTAnSeksyon 5 Leson 10

• Kisa ki te ede Jozèf rebondi e gen kè kontan, menm lè l te gen tout pwoblèm sa yo?

Kite timoun yo reponn. Si yo pa di bagay sa yo, ou mèt ba yo ide sa yo tou: Li te fè Bondye konfyans. Li pa t pèdi espwa. Li pa kite tèt li vin twò dekouraje. Li te toujou chache wè sa ki bon nan sitiyasyon li. Li te rete pre Bondye. Li te padonnen moun ki te fè li mal yo (frè li yo). Li te konsantre sou bon plan Bondye pou lavi li olye de move bagay lòt moun te fè li.

Men kisa Jozèf te di frè li yo:

Nou te monte konplo pou fè m mal. Men Bondye fè sa tounen yon byen,

pou l te fè sa k rive jodi a rive, pou l te ka sove lavi tout kantite moun sa yo.

Jenèz 50.20

3. Viv yon fason dekwa pou w gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun ap pratike fason yo ka rebondi nan sitiyasyon difisil.

Ann fè yo gwo vizaj k ap ri pou klas nou an ka sonje ke Bondye ede nou gen kè kontan menm lè nou nan move tan.

Kite timoun yo pran bagay nan klas la oubyen deyò a pou yo fè yo gwo figi k ap ri atè a nan sal la. Pi gwo pi bon! Ankouraje timoun yo ke yo ka fè vizaj la kòm yon priyè. Gwo figi k ap ri a ap sèvi yon badj pou klas la ka sonje ke Bondye ede nou gen kè kontan menm nan move sitiyasyon.

Yon lòt opsyon:

Ann fè yon badj ak yon figi k ap souri ladan l pou nou ka sonje ke Bondye ede nou gen kè kontan menm nan move tan.

Bay chak timoun yon ti wonn an papye. Kite yo kolore yo si yo vle. Yo ka mete je ak yon bèl souri. Kite yo dekore figi papye yo a, yo ka mete linèt oubyen cheve, etc. Aprè sa, bay chak timoun yo epeng pou l mete figi k ap souri a nan rad li.

Page 72: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

67KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

GEn Kè KOnTAn Seksyon 5Leson 10

Tout moun, montre m badj nou! Mezanmi! Gade jan yo gen kè kontan!

Fen opsyon

Sèvi ak kesyon sa yo pou w ede timoun yo konsidere kisa yo tap fè nan move sitiyasyon sa yo pou yo te ka gen kè kontan.

• Si w pèdi yon bagay ki presye pou ou, kisa ou ka di tèt pa ou pou w ka gen kè kontan ankò?

• Si ou santi ou tris paske zanmi ou pati byen lwen e pa la avèk ou, kisa ou ka fè pou w gen kè kontan ankò?

• Si yon moun di w yon bagay ki fè w mal, tankou si l ba ou kou lè ou pa fè l anyen, kisa ki ka ede ou rebondi e gen kè kontan ankò?

Tout moun konn pase move moman. Yo vann Jozèf, lèfini yo mete l nan prizon pou yon bagay ke l pa fè. Men, menm jan li te fè ak Jozèf, Bondye ede nou rebondi pou nou ka gen kè kontan ankò. Lè nou gen yon atitid pozitif, sa fè nou konnen ke Bondye avèk nou. Li ka menm sèvi ak move bagay pou l pote bon bagay, menm jan li te fè ak Jozèf.

Mande timoun yo si yo pa gen kèk bagay spesifik ke yo vle priye, e ankouraje yo priye pou rekèt sa yo.

Konsèy pou Pwofesè: Si gen timoun ki gen kesyon oubyen kèk bagay yo ta renmen pale, ou mèt fè timoun nan rete aprè klas pou l pale avèk ou. Tan sa ou genyen pou w pale ak yon timoun a la fwa gen anpil valè. Timoun ap pi alèz pou yo pale avèk ou lè yo pou kont yo ke lè yo nan gwoup tout timoun. Ou ka ba yo konsèy e ede yo konnen amou jezi e ki jan li ede nou.

Page 73: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 74: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

69

Bondye Pran Pwoblèm nouSeksyon 5 • Leson 11Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: M ka gen yon atitid pozitif paske Bondye banm espwa.

Jodia timoun yo ap aprann ke yo ka gen bon atitid paske Bondye ba yo espwa nan nenpòt ki sikonstans.

Jodia timoun deside bay Bondye tout pwoblèm yo.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Koupe 3 mas ki nan fen leson an–pitit gason an, Papa a, kochon • Kèk rad mare nan yon bwa • Tè oubyen labou

Yon lòt opsyon: • Yon gode oubyen yon bòl plen dlo • Yon ti moso bwa • Yon plim oubyen fet • wòch ke w ka mete anndan gode oubyen bòl dlo a • Papye • Kreyon • Sachè plastik

Si w pa gen sizo pou w koupe mask yo fen leson an, ou ka chire tout paj la e kenbe l anlè pou timoun yo kenbe l devan figi yo kòm yo mask. Ou ka fè ti twou pou je.

Konsèy pou Pwofesè: Avan klas, li Lik 15.11–32 pou istwa sa ki soti nan Bib la nan tèt ou.

Page 75: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

70 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE PRAn PwOBLèM nOuSeksyon 5 Leson 11

LÈ POU LESON AN1. Yon fason nou ka gen bon relasyon ak moun

Objektif: Timoun ap aprann ke gen espwa menm lè tout bagay sanble pa bon.

Avan klas la, koupe 3 mask ki nan fen leson an: gason pèdi a, papa a, ak kochon an. Chwazi 3 timoun kòm aktè nan skètch la. Aktè yo ka kenbe mask yo devan figi yo, oubyen ou ka mare yo ak yon fil oubyen lastik. Fè 3 aktè yo mete mask yo epi rete kote lòt timoun yo pap ka wè yo. Lè yo tande sinyal la, yo ka antre: bat mwen 1 fwa pou gason pèdi a antre, 2 fwa pou papa a, 3 fwa pou kochon an. Gason pèdi an ap pote bwa a ak rad mare ladan l. Aktè yo ap vin jwenn ou aprè ou rakonte istwa a premye fwa a.

Jodia m ap rakonte ou yon istwa ke Jezi te bay disip li yo. Anpil nan nou gendwa gentan konnen istwa sa.

Rakonte yo istwa a.

Kounyeya m pral bay istwa a ankò.

Lè w ap bay istwa a dezyèm fwa a, fè papa a kanpe bò kote ou. Pandan w ap rakonte istwa a, aktè yo ap fè jès e jwe wòl yo, men yo pap di anyen.

Jezi te rakonte istwa sa a de yon mesye ki te gen 2 pitit gason. Yon jou pi piti gason an (bay sinyal pou l vini) te vin kote papa li, li di konsa, «Papa m, m vle se mwen ki chèf lavi pa m. Ou mèt banm lajan m kounyeya.» Papa a, ki te byen tris poutèt sa gason an te mande li, bay pitit gason li lajan an.

Pitit gason an pati ale nan yon peyi byen lwen e li mennen lavi yon moun rich. Li fè anpil bagay ki pa bon, li achte anpil bagay chè, e aprè yon tan, lajan li vin fini. Li pèdi tout sa li te genyen. Li vin oblije bay kochon manje. (Fè sinyal pou kochon an parèt.) Li te menm anvi manje manje kochon an, men pèsonn pa t ba li anyen. Li di nan kè li, «Menm moun ki nan travay pou papa m yo manje pi bon manje ke sa m genyen an. M pral lakay mwen, m ap mande papa m mete m travay pou li.»

Lè pitit gason an rive lakay li, papa l kouri vin jwenn li. Pitit la kriye, «Papa m, m peche kont syèl la e kont ou menm. M pa merite pou w rele m pitit ou ankò.»

Men papa a te toujou renmen pitit li. Li fè yo pote yon bèl wòb pou gason an. Li fè yo pare yon gwo fèt. Papa a di ak anpil jwa, «Pitit gason m ki te tankou moun mouri pou mwen vini, e kounyeya li vivan!»

Fè timoun yo bat bravo pou aktè yo. Fè yo reponn a kesyon sa yo.

• Pitit gason an te mande papa l yon bagay. Kisa li te ye?

• Ki jan papa a te reponn?

Page 76: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

71KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE PRAn PwOBLèM nOu Seksyon 5Leson 11

• Aprè sa, kisa pitit gason an te fè?

• Kisa ki te rive nan peyi byen lwen an?

• Aprè, li vin pran yon desizyon e deside chanje. Kisa li te deside?

• Eske ou panse li te pran yon bon desizyon?

• Kisa ki te pase lè li rive lakay li?

• Eske ou panse li te pran yon bon desizyon pou l tounen lakay li ak espwa ke lavi li tap pi bon?

Yo rele gason nan istwa sa a gason pèdi a. Lavi li te vin chanje paske li pa t pèdi espwa. Se konsa tou, li te vin wè ki jan papa li te renmen l vre.

Lavi nou ka chanje pou menm rezon an. Nou gen Bondye kòm papa nou–yon papa ki renmen nou ak yon amou ki pap janm fini. Li prèt pou l padonnen tout peche nou, e pou l ede nou nan lavi sa. Ak yon Papa konsa, nou pa janm bezwen pèdi espwa. Papa nou nan syèl ka toujou pote espwa.

2. Eksplore jan nou ka gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun vin konprann ke yo ka gen espwa ke lavi yo ka chanje poutèt jezi ki nan lavi yo.

Yon opsyon:

Fè yon vizaj k ap souri ak yon plim oubyen fet nan yon moso bwa. Mete bwa a nan yon gwo bòl dlo, epi mete kèk wòch sou bwa a pou fè l rete anba dlo a. Mete bòl la yon kote nan klas la kote tout moun ka wè li.

Bonjou, tout moun! Eske ou wè moso bwa ki anba bòl sa a? Figi ki sou bwa a ap ede m esplike istwa sa m pral ba ou a.

M ap pale ou de yon tifi ki te anba chay anpil pwoblèm, menm jan moso bwa sa a anba chay anpil wòch. Ann di ke bwa a reprezante tifi a. Tifi a rele Mari. Eske ou panse l ap janm ka soti anba chay li? (Kite timoun yo reponn.)

Oke, ann gade si li rive voye tout pwoblèm sa yo jete.

Mari gen anpil pwoblèm. Papa li renmen bwè alkowòl anpil. Chak fwa li touche, l ale bwè tout kòb la. Li sou, lèfini li rele e joure manman Mari ansanm ak Mari, pou anyen.

Poutèt sa, li pa gen lajan pou l peye lekòl Mari. Direktè lekòl Mari di li pa gendwa vin lekòl ankò si li poko peye lekòl. Mari pè, paske li lè pou l al konpoze. Li pa vle rate lekòl. Sa se yonn nan pwoblèm li yo.

Mari priye pou l konn kisa pou l fè. Kisa ou panse ki te pase? Yon bon patwon lekòl la te di li tap peye lekòl pou 10 nan pi bon elèv ki te nan chak klas. Mari te yonn nan premye

Page 77: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

72 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE PRAn PwOBLèM nOuSeksyon 5 Leson 11

5 elèv nan klas li. Pwofesè a vin di Mari ke li pap oblije peye lekòl pou rès ane a, ke li ka kontinye vin lekòl! Epitou, yo ba li lajan pou l achte kèk liv pou l li. Tout tan l ap mache al lakay li, li pa ka sispann di Bondye mèsi. Kounyeya li pa gen pwoblèm sa ankò.

Opsyon: Retire yonn nan wòch ki sou moso bwa a.

Yon lòt pwoblèm se kòlè li ak papa li. Pafwa papa l bat li pou anyen, paske li sou. Mari rayi sa, men pa gen anyen li ka fè. Epi li tou rete fache nan kè li. Sa se yon lòt pwoblèm, yon lòt wòch. Men yon jou, Mari vin li kèk vèsè nan Bib la ki fè l chanje.

Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou.

Men si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p’ap padonnen peche nou nonplis.

Matye 6.14–15

Vèsè sa yo te fè Mari reflechi. Li te bezwen padonnen papa li. Li te difisil pou l menm panse ak padonnen li, men li te mande Bondye ede li, e Bondye te fè sa. Aprè sa li, li twouve ke kè li vin santi li pi leje. Okontrè, kè l te vin fè l mal pou papa li, paske li te wè se alkowòl ki te kenbe papa l otaj. Li santi li te vle ede papa li. Li deside priye pou li chak jou.

Opsyon: Retire yonn nan wòch ki sou moso bwa a. Ajoute kèk pwoblèm ankò nan istwa sa a, e chwazi kèk sitiyasyon ou panse elèv yo ka genyen nan lavi pa yo. Lè chak pwoblèm rezoud, retire yon wòch.

Mezanmi! Gade kisa ki pase! Vizaj la monte nan dlo a.

Fen opsyon

Mari te vin retire tout pwoblèm li yo. Nan kòmansman istwa a, nou pat panse sa te posib, men kounyeya bagay yo ap mache pi byen pou Mari e l ap souri.

• Eske ou vrèman panse ke wap ka sipòte pwoblèm ki difisil anpil?

M kwè sa. M konn gen plizyè pwoblèm ki te sanble yo pa tap ka rezoud, men yo te rezoud vre.

Bay yonn oubyen de pwoblèm ke ou te genyen e di ki jan Bondye te ede ou soti anba pwoblèm nan.

• Eske gen nan nou ki ka di nou yon pwoblèm li te genyen ki te vin rezoud?

Pa fòse timoun yo, men ankouraje yo si yo vle bay yonn.

Page 78: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

73KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE PRAn PwOBLèM nOu Seksyon 5Leson 11

3. Viv yon fason pou w gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun ap fè kòm si y ap bay Bondye pwoblèm yo.

Nou chak nou gen pwoblèm ak fado. Kounyeya nou pral bay Bondye pwoblèm nou yo. Panse ak yon pwoblèm difisil ke ou genyen. Yon pwoblèm ki twouble ou anpil. Ou pa oblije di nou kisa li ye. Men panse avèk li pou yon ti moman.

Yon lòt opsyon

Bay chak timoun yon papye ak yon kreyon. Chak timoun ap desinen pwoblèm oubyen enkyetid ke li genyen. Asire yo ke se sèl Bondye k ap wè papye yo; yo mèt desinen nenpòt sa yo vle. Bay timoun yo kèk minit pou yo konplete travay la. Ou mèt fè egzèsis la tou.

Fen opsyon

Kounyeya nou pral swiv konsèy ki nan 1 Pyè 5.7.

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l’ap pran swen nou. 1 Pyè 5.7

Nou pral fè sa kounyeya. Pou n kòmanse, ann priye.

«Senyè Jezi, Ou konnen tout pwoblèm mwen yo, e chak enkyetid ki nan kè mwen.» Kounyeya, priye nan kè ou, e di Bondye tout sa ki fè ou gen tèt chaje, tout sa ki se yon fado pou ou. (Pran yon ti poz.)

«Senyè, gen de bagay ki fè m santi m ta kriye.» Di Bondye bagay sa yo kounyeya. (Pran yon ti poz.)

«Men ou renmen m e ou ka ede m. M mete tout pwoblèm mwen yo nan men ou, e m mande ou pote yon chanjman nan lavi mwen ak nan kè mwen. Mèsi pou jwa ke m genyen paske m konnen ou pran swen m, e ou banm lavi etènèl. M renmen ou. Amèn.»

Kounyeya, annou lage pwoblèm nou nan men Bondye, e fè kòm si n ap lage pwoblèm nan atè a. Li gwo. Li lou, men ou ka fè l. Fè kòm si w ap pote yon bagay ki lou anpil, epi voye l jete. (Timoun yo ap fè kòm si y ap voye pwoblèm yo jete.) Pandan w ap voye yo jete, di «Bondye vle ede m ak pwoblèm mwen, L’ap pran swen m.»

Yon lòt opsyon:

Kounyeya annou voye pwoblèm ak chay nou sou Jezi, e annou chire papye nou sot desinen an e lage yo nan sachè plastik sa. Chak timoun ap voye pwoblèm li jete nan

Page 79: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

74 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE PRAn PwOBLèM nOuSeksyon 5 Leson 11

sachè a. Pandan w ap lage yo, di «Bondye vle ede m ak pwoblèm mwen, L’ap pran swen m.» Lè nou fini, m ap mare sachè sa pou m jete li, ak tout pwoblèm nou yo ladan l.

Fen opsyon

Priye pou w fèmen, e di timoun yo pase yon bon semènn, pou yo ka gen yon panse pozitif nan tèt yo lè yo prale.

Page 80: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 81: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 82: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 83: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 84: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 85: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 86: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

81

Nou Ka Fè Bondye Konfyans ak Lavni NouSeksyon 5 • Leson 12Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: M ka gen yon atitid pozitif anvè lavni mwen.

Jodia timoun yo ap aprann li posib pou yo gen yon bon atitid anvè lavni yo paske Bondye ap kontwole lavi yo.

Jodia timoun deside kwè ke Bondye ap pran swen yo jodia, demen ak pou rès lavi yo.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Imaj devinèt la ki nan fen leson an, prepare avan klas (wè Pati 1) • Yon ti wòch pou w voye.

Yon lòt opsyon: • Yon plim oubyen fet • Sizo

LÈ POU LESON AN1. Yon fason nou ka gen bon relasyon ak moun

Objektif: Timoun aprann yo pa bezwen pè sa k gen pou vini nan lavi yo si yo kwè nan Bondye.

Koupe oubyen chire devinèt la an plizyè moso. Aranje imaj la byen sou yon tab devan ou, mete yon ann òd. Lèfini, yonn pa yonn, vire moso papye yo tèt anba, pou se do papye a ki parèt. Fè tout sa avan timoun yo imaj la, imaj devinèt la se yon sekrè.

• Eske ou wè devinèt sa? Ann pale kisa nou panse ki ka sou lòt bò papye a. Veye reyaksyon timoun yo.

Page 87: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

82 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

nOu KA Fè BOnDYE KOnFYAnS AK LAvnI nOuSeksyon 5 Leson 12

• Eske ou konnen kisa ki sou devan papye a? Pa gen moun ki konnen?

Gendwa gen kèk ide ki pozitif oubyen timoun yo ka bay ide ki negatif tou.

Petèt imaj la se kèk bèt terib pou fè moun pè! Men eske ou pa tap renmen si sa w twouve se imaj yon sirèt oubyen yon bekann? Dousman, nou pral vire imaj la. Ou mèt kwè m lè m di ou ke se yon bèl imaj sou do papye a. Eske nou kwè m? Ann vire moso papye yo, yonn pa yonn.

Lè tout moso yo vire, bèl imaj la parèt.

Mezanmi! Ou pa wè jan li bèl? Ou te kwè m lè m te di gen yon imaj. Kounyeya imajine ke lavi ou se tankou yon imaj ke ou pa ankò wè. Si ou se pitit Bondye, Bondye di ke l ap fè lavi ou yon bèl imaj tou. Ann koute sa Bondye di nan Bib la.

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Women 8.28

Eske ou fè Bondye konfyans? Bondye gen yon objektif pou lavi chak moun ki renmen li. Nou ka kwè nan li, ke li gen yon objektif pou lavi nou. Si ou pa sèten si ou se pitit Bondye, ann pale sa aprè klas. Si ou vle, ou mèt vin pale avè m pou kont ou.

2. Eksplore jan nou ka gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun jwe yon jwèt ki pou ede yo konprann ke yo ka toujou fè Bondye konfyans.

voye ti wòch la anlè plizyè fwa epi kenbe li.

Wòch sa reprezante yon ti gason kè kontan ki rele Matye. Li te renmen papa l ak manman l e te renmen al lekòl chak jou sou bekann papa l lan. Li te konn chita dèyè papa l pou l gade sa k ap pase nan lari a.

Pandan w ap pale, si posib, desinen yon vizaj k ap souri nan wòch la, oubyen souri ou menm e fè timoun yo souri tou. voye wòch la anlè plizyè fwa toujou pandan w ap pale.

Men yon jou, papa li disparèt. Matye pa t konn poukisa. Manman l di l konsa ke papa l ale marye ak yon lòt fanm. Matye te tris anpil.

Si posib, sou wòch la, fè vizaj la tris kounyeya, oubyen ou menm fè figi tris e fè timoun yo fè l tou.

Matye te kòmanse kriye anpil.

Page 88: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

83KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

nOu KA Fè BOnDYE KOnFYAnS AK LAvnI nOu Seksyon 5Leson 12

Desinen dlo k ap soti nan je vizaj ki nan wòch la, oubyen fè kòm si w ap swiye dlo nan je pa ou, epi fè timoun yo fè sa tou.

Li pa t konprann poukisa papa l kite li e pati. Manman l di ke papa a pa p janm tounen. Li te fè papa l anpil konfyans. Men kounyeya, Matye pa santi li ka kwè pèsonn ankò.

voye wòch la anlè ankò, men fwa sa, kite tonbe atè e woule.

• Ki jan ou panse bagay te ka vin pi bon pou Matye?

Kite timoun yo bay kèk ide.

Gen plizyè bagay ki ka ede, men m panse sa ki tap pi bon se si Matye jwenn yon lòt moun ankò ke li ka fè konfyans, ke li ka kwè nan li. Bòn nouvèl m genyen pou ou jodia se ke gen yon Moun ke li ka kwè nèt. Wi, se Bondye. Li se yon Papa ki pap janm trayi nou, li pap janm ban nou manti, li pap janm kase pwomès li, li pap janm neglije nou.

Moun gendwa ban nou manti, yo gendwa neglije nou, oubyen trayi nou. Lè sa rive nou, nou tris, nou pa kontan. Men Bondye pa p janm fè nou bagay konsa. Plis nou vin konnen li, plis nou konnen ke li pap janm trayi nou. Nou ka toujou kwè nan Li.

Ki jan pou nou fè vin konnen Bondye? Nou vin konnen Li lè nou li pawòl li. Nou vin konnen li lè nou koute Li lè n ap priye. Nou vin konnen li lè nou konprann ke se li k ap kontwole lavi nou.

Menm jan ak tout lòt moun , nou vin kwè nan Bondye plis nou vin konnen li. Men, pa tankou moun, Bondye toujou fyab, e l ap toujou renmen nou anpil.

Al pran wòch la atè a e voye l ba yon timoun. Fè timoun nan di, «Bondye toujou fyab,» epi l ap voye wòch la bay yon lòt timoun. Dezyèm nan ap di, «Bondye renmen nou anpil,» epi li voye bay yon lòt timoun ankò, ki ap repete premye fraz la. Fè tout timoun yo kontinye voye wòch la bay yonn lòt e repete 2 fraz sa yo. Fè yo kontinye jouskaske tout moun fin patisipe.

3. Viv yon fason dekwa pou w gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun ap pale sou kèk vèsè nan Bib la ki di ke nou ka fè Bondye konfyans.

• Di kèk bagay ke nou ka kwè ke Bondye va fè pou nou.

M ap li kèk nan pwomès li ki soti nan Bib la. Pandan m ap li yo, n ap pale sou ki jan pwomès sa ka ankouraje nou nan diferan moman nan lavi nou, menm moman ki difisil.

Page 89: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

84 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

nOu KA Fè BOnDYE KOnFYAnS AK LAvnI nOuSeksyon 5 Leson 12

Pwomès 1:

Senyè a va pran devan ou, l’a kanpe la avè ou. Li p’ap janm lage ou, li p’ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.

Detewonòm 31.8

• Kisa vèsè sa di ke nou ka kwè Bondye ap toujou fè?

• Paske nou ka fè Bondye konfyans, kisa nou ka chwazi pa fè?

• Ki jan vèsè sa fè ou santi w?

Pwomès 2:

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout

moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p’ap kite yo tante nou yon jan ki

depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l’a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka soti anba li.

1 Korentyen 10.13

• Kisa vèsè sa di nou ka kwè Bondye ap toujou fè?

• Vèsè a pa di ke lavi nou ap toujou fasil si nou kwè nan Bondye. Kisa li di?

• Ki jan vèsè sa fè ou santi w?

Pwomès 3:

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen moun ki renmen l,

pou byen tout moun li te fè lide rele. Women 8.28

Page 90: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

85KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

nOu KA Fè BOnDYE KOnFYAnS AK LAvnI nOu Seksyon 5Leson 12

• Kisa vèsè sa di nou ka kwè Bondye ap toujou fè?

• Kisa li di nou de eprèv ke nou pral genyen nan lavi nou?

• Ki jan vèsè sa fè ou santi w?

Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a, ou menm k’ap mache nan chemen li mete devan ou lan!

Som 128.1

• Kisa vèsè sa di de moun ki respekte Senyè a?

• Ki jan yon moun fè respekte Senyè a?

• Ki jan nou ka mennen vi nou yon fason ke Bondye vle?

• Ki jan vèsè sa fè ou santi w?

Fèmen klas la ak lapriyè.

Konsèy pou Pwofesè: Raple timoun yo de envitasyon ou pou yo pale avèk ou sou devni pitit Bondye. Fè tèt ou disponib pou w pale avèk yon yonn pa yonn sou ki jan yo ka sove. Gendwa gen timoun ki anvi pale avèk ou, men yo timid. Chache timoun ki sanble se ezite y ap ezite, e envite yo ede ou aprè klas la. Pale jantiman avèk yo sou devni pitit Bondye.

Page 91: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 92: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 93: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 94: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

89

Sovè a FètLeson Spesyal pou nowèlSelebrasyon

Tèm: n ap selebre ke Bondye voye Pitit Gason li an.

Jodia timoun yo aprann ke jezi te vin sou latè pou l ba yo chans pou yo devni pitit Bondye pou tout tan.

Jodia timoun deside si yo vle fè pati nan fanmi Bondye, pou yo vin Kretyen.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • vèsè ki soti nan fen leson an, retire yo avan klas la kòmanse

Yon nòt pou ou menm, Pwofesè a:

jodia w ap gen yon selebrasyon spesyal nan anseye elèv yo de bèl nesans Sovè nou, jeziKris. Sèvi ak leson sa nan sezon nowèl la.

Konsèy pou Pwofesè: nan leson sa, timoun ap gen okazyon pou yo dedye lavi yo a Bondye, Papa yo ki nan syèl la. Avan klas la, revize ki jan pou w mennen yon moun vin sove. w ap jwenn enfòmasyon sa nan kòmansman liv la.

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Sovè a Fèt. Matye 1.18–2.23

Objektif: Timoun ap tande bèl istwa de nesans jezi.

Akeyi timoun yo ak kè kontan, ak yon gwo jwaye nowèl!

Konsèy pou Pwofesè: Gen nan elèv yo ki gendwa pa janm selebre nowèl deja, e sa gendwa se premye fwa yo tande istwa nesans jezi. Fè sèten ke lè wap bay leson sa, w ap bay li se tankou w ap ouvri pi bèl kado ki janm genyen–paske se sa li ye vre!

Pandan tout moun ap antre, fè timoun yo chita an 2, e bay yonn lòt fas. Di klas la ke yonn

Page 95: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

90 SELEBRASYOn

SOvè A FèTSeksyon 5 Leson 13

pral rakonte lòt la yon istwa ak kèk bagay ki te pase ke li pat atann. Yonn nan timoun yo ap kòmanse bay yon istwa de yon jounen òdinè, men ak anpil detay. Pa egzanp, li gendwa kòmanse pou l di, «M reveye, e m detire nan kabann nan. M retire dra a sou mwen, e m kouri ale mete rad sou mwen paske m te frèt.» A nenpòt moman nan istwa a, lòt sa k ap koute a gendwa leve men li. Lè li leve men li, sa k ap envante istwa a sipoze mete yon sipriz, yon detay ke li pat atann, nan istwa a.

Pa egzanp, si premye a ap bay istwa epi l ap di ke li tap mete rad, epi lòt la leve men li, premye a sipoze mete yon bagay nan istwa a ki pat atann, tankou li ka di, «Men, lè m ale pou m mete rad mwen, m wè ke nan nwit la, yo te vin piti, e yo pat bon pou mwen ankò, men yo te bon pou pope m.» Epi l ap kontinye ak istwa a jouskaske lòt la leve men ankò. Kite yo kontinye pou 4 ou 5 minit, epi fè yo chanje wòl–lòt la ap bay istwa kounyeya.

Fè timoun yo konprann ke istwa n ap etidye jodia gen yon bagay ladan l ki pat atann. Bondye te voye Pitit Gason li sou latè kòm yon ti bebe. Poukisa? Di timoun yo koute trè byen e y ap vin konnen. Se poutèt yo menm ke li te vini konsa.

Li 4 pati istwa a pou timoun yo. Gen nan yo ki gendwa pa janm tande istwa a deja.

Aprè sa, divize timoun yo nan 4 gwoup. nan chak gwoup, chwazi yon timoun ki li byen, epi bay li yonn nan pasaj ke ou sot li yo.

Bay chak gwoup yon pasaj ki soti nan Matye 1.18–25. Bay chak gwoup vèsè yo ki nan papye nan fen leson an.

Gwoup 1: vèsè 18–19

Gwoup 2: vèsè 20–21

Gwoup 3: vèsè 22–23

Gwoup 4: vèsè 24–25

Retire oubyen fotokopye vèsè sa yo epi bay chak gwoup yon kopi. Timoun ou chwazi pou li a sipoze li ak ekspresyon.

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

Gwoup 1: Matye 1.18–19

Men ki jan jeziKri te fèt. Mari, manman jezi, te fyanse avèk jozèf. Anvan menm yo te antre nan kay ansanm, Mari vin twouve l ansent pa pouvwa Sentespri a. jozèf, fyanse l la, te yon nonm dwat. Li pat vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansay la san bri san kont.

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

Gwoup 2: Matye 1.20–21

Page 96: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

91SELEBRASYOn

SOvè A FèT Seksyon 5Leson 13

Li tap kalkile sou jan li ta pral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. zanj lan di li:—jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l’ap pote a se travay Sentespri. Li pral fè yon pitit gason. w’a rele l jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo.

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

Gwoup 3: Matye 1.22–23

Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y’a rele l Emannwèl. (non sa a vle di: Bondye avèk nou.)

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

Gwoup 4: Matye 1.24–25

Lè jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l fè: li pran madanm li lakay li. Men, jozèf pat kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. jozèf te rele pitit la jezi.

Aprè chak gwoup fin li pati pa yo nan istwa a, di timoun yo ke yo gen 2 minit pou yon kreye yon imaj ak tèt pa yo de sa ki tap pase nan istwa a. nan istwa a, timoun yo sipoze kanpe e pa bouje menm pou yo fè kòm si y ap fè yon foto de pati istwa yo a. Yo pa gendwa fè okenn jès ni pawòl, e tout moun nan gwoup la sipoze patisipe. Yo mèt fè kòm si yo se moun, zanj, bèt, menm kay. Lè gwoup yo prèt, li chak pasaj dousman yon twazyèm fwa. Chak fwa w ap li vèsè yon gwoup, fè gwoup sa pase devan pou yo ilistre ak tèt pa yo vèsè yo. Aprè chak gwoup fini, li tout pasaj la nèt ankò. Sa se katryèm fwa ke timoun yo ap tande istwa a.

Apepre 700 avan Jezi te fèt, Bondye te di ke Jezi tap gen non «Bondye avèk nou.» Menm lè Bondye te toujou ak pèp li a (jan nou wè nan istwa tankou Adan ak Ev, Abraram, Izarak, Danyèl ak lòt moun tou,) kounyeya li tap avèk pèp li a nan yon lòt fason.

Bondye tap prezan isi sou latè avèk moun a travè pitit gason li Jezi. Bondye, Papa nou an ki nan syèl la, te voye pitit gason li. Poukisa? Paske li vle zanmi avèk nou pou tout tan e letènite!

Sa te yon bagay ki te difisil anpil pou Bondye fè. Tout moun nan lemonn fè peche e sa vle di ke nou pa tap janm ka zanmi ak Bondye tout tan nou pa peye dèt peche nou. Men sèlman yon moun ki san defo, yon moun ki pa janm fè peche, ki tap ka peye pou peche nou yo. Sa vle di ke ou menm ou pa tap ka fè l. Sa vle di ke mwen menm m pa tap ka fè l. Nou pa san defo. Nou fè peche. Men Jezi te san defo. Bondye

te voye sèl pitit gason li kòm yon ti bebe ki tap grandi e mennen vi li san peche. Li

Page 97: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

92 SELEBRASYOn

SOvè A FèTSeksyon 5 Leson 13

tap dakò pou l peye dèt peche nou yo. Li tap ouvri yon chemen pou nou te ka zanmi ak Bondye ankò. Sa tap pase apepre 30 an aprè li te fèt.

Men pou kounyeya, ann retounen nan istwa nesans Jezi, istwa Nowèl la.

Nan epòk lè Jezi te fèt la, te gen kèk Maj, moun ki te enpòtan anpil nan peyi kote yo soti a, ki te vwayaje soti nan lest pou yo pale ak Wa Ewod, wa ke Women yo te mete chèf sou pèp jwif la. Maj sa yo te kwè ke yon nouvo wa Jwif yo te fèt, e yo te vle jwenn li.

Lè yo te rive, yo mande Wa Ewod, «Kote nouvo wa Jwif yo a? Nou te wè yon etwal ki te sinyale ke li te fèt. Nou anvi wè li e ba li kado nou pote yo epi nou vle louwe li tou.»

Nouvèl sa a te twouble Ewod. Li pat vle yon lòt wa vin pran pouvwa anba li. Li pale ak anpil moun relijye, moun ki te jwif, e yo di li ke Mesi a te sipoze fèt nan vil Bètleyèm. Men Ewod te bay Maj yo manti. «Ale gade si ou pa ka jwenn pitit la,» li di yo, «Epi lè ou jwenn li, retounen vin di m kote li ye pou m ka al louwe li tou.» Men se touye Ewod te vle touye pitit la. Li te vle se li sèl ki wa.

Maj yo te ajenouye yo devan wa a, epi yo ale. Anlè tèt yo, menm etwal yo te wè ki tap klere depi nan peyi pa yo, tap gide yo kote pou yo ale. Nouvo wa sa a te moun ki pi spesyal nan tout latè. Menm etwal yo tap selebre nesans li.

Etwal la mennen yo ale nan kay kote Jezi te ye a. Yo jwenn Mari, Jozèf, avèk pitit la, Jezi. Lè Maj yo te wè Jezi, yo mete ajenou devan li. Yo ofri l kado lò, lansan ak lami. Se te kado pou yon wa.

Bondye te vin bay maj yo yon rèv ki di yo piga yo tounen kote Ewod, epi yo fè yon lòt wout pou yo tounen lakay yo. Bondye te di Jozèf ki vye plan Ewod te genyen pou l touye ti bebe a, e te di Jozèf pou l chape ale nan peyi Lejip ak Jezi ak Mari. Bib la pa di nou, men Jozèf te gendwa sèvi ak kado maj yo pou l peye vwayaj sa, epi pou yo te ka viv lè yo te la tou.

Jozèf te pwoteje Jezi an Lejip jouskaske yon zanj Bondye te parèt pou di li ke li mèt tounen Izrayèl paske Ewod mouri. Jozèf obeyi e te tounen Nazarèt ak fanmi li, kote Jozèf ak Mari te grandi.

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun devlope yon rap oubyen yon chan pou yo selebre.

Ankouraje timoun yo pale plis sou istwa yo tande a.

• Ki pati nan istwa a ou panse ki te pi enpòtan? Poukisa?

• Lè yon moun fenk gen yon ti bebe, ki jan manman an ak papa a fè moun

Page 98: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

93SELEBRASYOn

SOvè A FèT Seksyon 5Leson 13

konnen sa? E ki jan Bondye te fè moun konnen ke Pitit li a fenk fèt?

• Ezayi te di ke yon jenn fi ki poko kouche ak gason tap pral fè Sovè a, e li tap rele «Emanyèl,» ki vle di «Bondye avèk nou.» Poukisa «Bondye avèk nou» yon bon non pou Jezi?

• Ki jan ou santi w lè w konnen ke Bondye nan syèl la voye sèl Pitit Gason li pou mouri pou peche nou?

Se yon bèl lè pou nou selebre! Bondye voye Pitit Gason li sou latè pou nou.

Separe tout timoun yo nan plizyè gwoup de 5 timoun chak. Esplike timoun yo ke ou pral ba yo kèk fraz selebrasyon. Chak gwoup ap chwazi yon fraz e y ap kreye yon chan, oubyen yon rap, ak fraz sa. Chan an (oubyen rap la) sipoze pale de bèl kado Bondye fè nou ak Pitit Gason li an. nan yon rap, y ap di pawòl yo ak yon ritm e batman tan an. Yo ka bat men e repete yon fraz plizyè fwa. nan yon chan, yo ka fè l ak yon melodi ke yo gentan konnen, oubyen envante yonn. Men kèk fraz selebrasyon pou w bay timoun yo chwazi. Ou ka ajoute nan fraz yo si ou vle. Sa pa fè anyen si plizyè gwoup chwazi menm fraz la.

Selebrasyon! Bondye voye Pitit Gason li sou latè pou Nowèl.

Nowèl se pi bèl jou nan ane a–Jezi vin sou latè!

Bondye renmen nou chak anpil anpil anpil!

Bondye voye Pitit Gason li e kounyeya nou zanmi ak Li nèt.

Tout latè bat men poutèt kado Bondye ban nou.

Aprè tout timoun yo fin fè chan oubyen rap yo, fè chak gwoup pèfòme pa yo a pou rès timoun yo. Ankouraje yo bat bravo pou chak gwoup.

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap chwazi si yo vle swiv jezi.

Lè Maj yo te vin adore Jezi, yo te pote kado lò, lansan ak lami. Nou pa sèten, men nou panse ke yo te pote kado sa yo poutèt sinifikasyon yo chak. Se lò yon moun te konn bay wa, lansan te reprezante Bondye, e lami te yon epis yo te konn mete sou kadav moun mouri. Twa kado sa yo te reprezante ke Jezi se Wa, li se Bondye, e ke li tap pral mouri pou peche nou. Maj yo te rekonèt ke Jezi te yon moun spesyal vre e ke li te merite lwanj.

Nesans Jezi te yon mèvèy. Men lanmò li enpòtan pou nou anpil tou. Li te mouri pou peche mwen yo ak peche pa w yo tou. Li te mouri pou nou te ka adopte nan fanmi

Page 99: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

94 SELEBRASYOn

SOvè A FèTSeksyon 5 Leson 13

Bondye e sèvi li pou letènite. Gen nan nou ki gendwa vle bay Bondye lavi ou. Sa se yon desizyon ki ka dire pou rès lavi ou. Fèmen je ou e reflechi sou sa. W ap deside si ou vle yon Kretyen.

Bay timoun yo yon ti tan pou yo reflechi. Di pou yo tout fè silans. Sa se yon gwo desizyon.

Kounyeya nou pral louwe menm jan ak maj yo. Mete w ajenou pou nou louwe Jezi e pale ak Jezi nan kè ou. Menm si ou pa prèt pou w adore Jezi, ann selebre Nowèl e reflechi sou tout sa Bondye gentan fè pou ou.

Page 100: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

Gwoup 1: Matye 1.18–19

Men ki jan jeziKri te fèt. Mari, manman jezi, te fyanse avèk jozèf. Anvan menm yo te antre nan kay ansanm, Mari vin twouve l ansent pa pouvwa Sentespri a. jozèf, fyanse l la, te yon nonm dwat. Li pat vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansay la san bri san kont.

Gwoup 2: Matye 1.20–21

Li tap kalkile sou jan li ta pral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. zanj lan di li:—jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l’ap pote a se travay Sentespri. Li pral fè yon pitit gason. w’a rele l jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo.

Gwoup 3: Matye 1.22–23

Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y’a rele l Emannwèl. (non sa a vle di: Bondye avèk nou.)

Gwoup 4: Matye 1.24–25

Lè jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l fè: li pran madanm li lakay li. Men, jozèf pat kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. jozèf te rele pitit la jezi.

Page 101: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 102: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 103: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

Materyèl sa yo pou fòmasyon timoun te kreye ak kowoperasyon Hands & Feet ak David C Cook. Yo lisansye e nou pèmèt moun sèvi avèk yo a nenpòt legliz ou ministè Kretyen. Tout izaj deyò sa nou mansyone la, ann Ayiti oubyen lòt peyi, sipoze mande David C Cook pèmisyon. Yo mèt email [email protected]. ©2017 David C Cook. Tout dwa mondyal rezève.

Istwa nan Bib la Kalite Karakte Ki pou Devlope

Antann Ou Byen ak Moun

Leson 1Etwal, Amou Bondye, e Mwen Menm

Atik Siplemantè: Kreye Sekirite pou yon timoun

ki twomatize

Atik Siplemantè: Soutni Timoun ki te Abize Seksyèlman

Atik Siplemantè: Ki jan Pifò Tifi Aprann

Leson 6Kouraj Soti nan Bondye

Atik Siplemantè: Eksplwatasyon Seksyèl

Atik Siplemantè: Ki jan Pifò Ti Gason Aprann

Leson 7M Ka Gen Kouraj

Leson 10Bondye Te Fè Kò m

Leson 2Adopte nan Fanmi Bondye

Leson 8Kouraj Pou m Obeyi Lè m Pè

Leson 11Bondye Geri Kò ki te Dezonore

Leson 3Bondye, Sèvi Avè m

Leson 9Kouraj Pou m Pare Lavni Mwen

Leson 12Kanpe Abi Seksyèl

Leson 4Eske m Vle Swiv Bondye?

Leson 13Bondye Fè m Spesyal

Leson 5Deside pou m Kite Bondye Adopte mwen

Kisa Ou Pral Anseye nan Seksyon Sa

Seksyon 6ESPWA POU AYITI

MISYON HANDS AND FEET PROJECTDezyèm Ka Ane a

Yon pwogram leson en Kreyòl pou timoun a risk

Page 104: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

99

Etwal, Amou Bondye, e Mwen MenmSeksyon 6 • Leson 1Konsantre sou Fòmasyon Spirityèl

Tèm: M pi enpòtan pou Bondye ke tout etwal ki nan syèl la

Jodia timoun yo aprann anpil bèl detay sou limyè syèl la

Jodia timoun deside ke Bondye, ki siveye etwal yo, siveye yo menm tou.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Okenn

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Bèl syèl ak etwal Bondye yo. Plizyè Som.

Objektif: Timoun pral aprann anpil enfòmasyon sou etwal ke Bondye kreye yo.

Jodia nou pral selebre! Sa pral yon bèl moman. Ou menm ak elèv yo ap aprann anpil bèl bagay sou etwal. Enfòmasyon sa yo soti nan yon liv ki rele Indescribable, ke Louie Giglio ak Matt Redman te ekri. Menm lè li bon pou nou aprann anpil bagay siyantifik de etwal, klas sa gen yon pi gwo objektif. W ap fè timoun yo sonje jan yo enpòtan pou Bondye – pi enpòtan ke nenpòt etwal. Pi enpòtan ke tout etwal yo menm!

Gen kote ki gen klas lajounen. Gen kote ki gen klas aswè. Gen ki se anndan sal klas la, epi gen lòt klas ki fèt deyò a. Leson sa ba ou yon “Opsyon Limyè Etwal Deyò a.” Si ou kapab, fè opsyon sa. Si ou pa kapab tou, pa gen pwoblèm. Leson sa ap mache menm si ou pa ka ale deyò a pou w egzaminen etwal yo.

Kòmanse klas la e fè timoun yo kouche atè a nan yon lin long – pye a tèt a pye a tèt. Si ou pa gen yon gwo espas, lin nan pa oblije dwat. Mezire oubyen estime longè lin nan. Si gen anpil timoun, chwazi 10–15 timoun sèlman pou fè aktivite sa.

Page 105: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

100 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ETWAL, AMOu BOnDYE, E MWEn MEnMSeksyon 6 Leson 1

Mande timoun yo:

• Konbyen moun ou panse ki nan tout latè?

Apepre 7 bilyon

• Si tout moun sou latè te kouche jan n ap kouche la – pye a tèt – konbyen fwa ou panse yo tap ka antoure tout latè?

266 fwa

Mande timoun yo chita.

Gen anpil anpil moun sou latè. Eske ou janm panse ak konbyen etwal ki genyen nan syèl la? Jodia nou pral pale sou etwal, ni sou lalin nan ak solèy la. M pran enfòmasyon sa pou klas sa nan 2 mesye ki renmen etwal anpil. Yonn se Matt Redman, yon mesye ki soti nan Angletè e ki ekri chan ak liv. Lòt mesye a se yon pastè e li ekri liv tou, Louie Giglio. Li renmen astwonomi.

• Ki moun ki ka di m kisa ‘astwonomi’ ye?

Lè yon moun etidye etwal.

Kounyeya ann pale sou etwal yo. Gen moun ki pa janm gade yo. Petèt yo abite nan gwo vil, epi limyè vil la bloke limyè etwal Bondye kreye yo. Petèt yo abitye ak etwal yo, e yo pa janm panse avèk yo ni louwe Bondye pou yo.

• Kisa ou panse ki tap pase si etwal yo te parèt chak 1.000 an sèlman?

Kite timoun yo bay sijesyon. Moun pa tap dòmi aswè pou yo te ka gade etwal yo. Moun tap etenn tout limyè sou latè pou yo te ka wè etwal yo pi byen. Tout moun tap kontan, yo tap bat bravo, yo tap fè foto.

Nou vin abitye wè etwal. Lè etwal yo soti, pifò nan nou rete anndan e nou bliye yo. Nou pa apresye jan yo mèvèye.

Jodia, m pral ban nou kèk enfòmasyon enteresan sou etwal – epi sou lalin ak solèy la tou. Pandan m ap bay ou enfòmasyon sa yo, sonje ke se Bondye ki te fè limyè syèl la yo. Lè m di ou yo bagay sou limyè syèl la yo, si se yon bagay ou pa t ankò konnen, kanpe epi leve men ou byen wo – detire nèt! Aprè sa chita ankò.

Enfòmasyon 1: Nan syèl la lè n ap gade, solèy la ak lalin nan parèt menm gwosè. Men solèy la 400 fwa pi gwo ke lalin nan an reyalite, e li 400 fwa pi lwen ke lalin. Lalin nan egzakteman nan gwosè ke l dwe ye a. Si l te pi gwo, li tap koz latè a chavire twòp sou yon bò. Sa tap koz yon bò latè twò cho, e lòt bò a tap twò frèt pou moun viv. Lalin nan nan gwosè li dwe ye pou l fè latè panche tout piti pou nou ka gen sezon frèt ak sezon cho, men pa twò frèt ni twò cho pou moun viv. Bondye fè lalin nan egzakteman nan gwosè ki bon pou latè.

Page 106: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

101KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ETWAL, AMOu BOnDYE, E MWEn MEnM Seksyon 6Leson 1

Enfòmasyon 2: Kèk syèk avan kounyeya, moun te kwè ke te gen apepre 6.000 etwal nan tout linivè. Sa pa t vre ditou. Moun ki etidye etwal kounyeya kwè ke gen plis etwal nan syèl la ke menm grenn sab ki genyen nan tout latè. Jodia, syantis kwè ke gen ant 100 ak 200 bilyon galaksi. Yon galaksi se yon pakèt etwal, planèt, gaz ak pousyè ki rete ansanm. Chak galaksi gen plizyè santènn bilyon etwal. Bondye ki kreye nou an te pase yon bèl moman ap kreye tout sa!

Enfòmasyon 3: Etwal parèt piti, men pifò nan yo gwo anpil. Gen yon gwo etwal yo rele IRS 65. Si solèy la te gen menm gwosè ak 2 men mwen, IRS 65 tap gwosè Mòn Everest, pi gwo mònn ki sou latè.

• Poukisa ou panse Bondye fè etwal ak gwo galaksi ke moun pap menm wè?

Kite timoun yo amize yo ak kesyon sa. Ankouraje yo imajine tout posibilite ki genyen. Petèt Bondye te vle amize li. Petèt li te vle gade yo li menm. Petèt li te vle syantis dekouvri yon ti enfòmasyon a la fwa e ak chak dekouvèt pou yo vin reyalize ki jan Bondye gran.

Enfòmasyon 4: Limyè ki soti nan solèy, lalin ak etwal yo kouri vit anpil. Limyè sitèlman vwayaje vit ke li ka fè wonn tout latè 7 fwa nan yon sèl segonn. Li vwayaje a 299.792 kilomèt chak segonn.

Enfòmasyon 5: Etwal mouri. Yo fèt ak yon gaz ki rele idrojèn. Yo jenere enèji e yo emane radyasyon ki soti nan mitan yo. Sa bay etwal yo enèji pou plizyè bilyon ane. Men aprè yon tan, tout gaz ki fè yo a ap boule. Lè yon etwal mouri, gen kèk mèvèy ki pase. Pa egzanp, yon gwo etwal ki te rele SuperNova 1987A te mouri. Pou kèk mwa lè etwal sa tap pral mouri, li te boule 100 milyon fwa pi fò ke solèy nou an. Ou ka zanmi ak Bondye ki kreye etwal yo, Bondye ki gen pouvwa ki pap janm fini an.

Enfòmasyon 6: Nou tout konnen ke etwal yo klere, men èske ou konnen ke yo chante tou? Gwo teleskòp ki fikse sou etwal yo dekouvri ke etwal chak fè yon son. Pa egzanp, gen yon etwal ki rele Vela ki bay yon beat ki pa janm kanpe. Gen lòt etwal ki fredonne e ki sanble vyolon k ap jwe. Lè Bondye te kreye etwal yo, li te kreye yon orkès pou li menm nan syèl! Koute sa David di nan Som 148:

Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k’ap klere nan syèl la, fè lwanj li!

Som 148.3

Page 107: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

102 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ETWAL, AMOu BOnDYE, E MWEn MEnMSeksyon 6 Leson 1

E yo fè sa vre! Nou menm, nou fè lwanj li tou! Annou kanpe la e annou adore Bondye ak kèk ti kè. Etwal vire tou…ann pran egzanp sou yo e chante e n ap vire yon sans, aprè sa n ap vire lòt sans. Pa frape lòt moun lè w ap vire. Vire kò ou e adore Bondye.

Chwazi yon ti kè ke yo konnen e chante ansanm pandan y ap vire. Aprè nou fin chante, kontinye.

Panse ak sa. Bondye te fè tout bèl etwal yo. Etwal pa reflechi. Etwal pa deside si yo vle swiv Bondye ou pa. Sèl nou menm, nan tout sa Bondye kreye yo, ki gendwa chwazi si nou vle swiv li. Li renmen nou pase tout lòt sa li kreye yo – paske se nou menm ki ka vrè zanmi li.

Men bèl verite a: Bondye, ki te kreye etwal yo e ki te bay chak yon non, li konnen non nou chak tou.

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap sonje jan Bondye ban nou chak valè.

M ap li kèk vèsè nan Bib la ki pale de etwal. Aprè sa nou pral chwazi yon timoun ki ka reponn yon kesyon sou vèsè a.

Senyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.

Som 33.6

Oke, timoun ki pi wo nan klas la pral reponn kesyon sa.

• Kisa vèsè sa di nou de pouvwa Bondye a?

Kounyeya, timoun ki gen pi gran pye nan klas la pral reponn kesyon sa.

• Vèsè a sanble yon powèm, kote li di Bondye ‘soufle ak bouch li,’ epi ‘tou sa ki nan syèl la fèt.’ Si w te yon powèt, ki jan ou tap dekri syèl la plen etwal?

Leve tèt nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout zetwal sa yo? Tankou yon lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non,

li konn non yo chak. Yonn pa janm manke nan syèl la! Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs.

Ezayi 40.26

Page 108: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

103KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ETWAL, AMOu BOnDYE, E MWEn MEnM Seksyon 6Leson 1

Kounyeya, timoun ki gen pi gwo vwa a ap reponn kesyon sa.

• Bondye gen yon non pou chak etwal. Li konn non ou menm tou. Ki jan sa fè ou santi w?

Timoun ki pi kout la ap reponn kesyon sa.

• Si w tap pral bay yonn nan etwal yo yon non, ki non ou tap ba li? Poukisa se non sa ou chwazi?

Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l.

Som 19.1

Timoun ki gen fèt li pi pre Nowèl (25 desanm) ap reponn kesyon sa.

• Esplike vèsè sa byen senp, pou yon timoun piti ka konprann li.

Timoun ki ka sote pi wo ap reponn kesyon sa.

• Syèl la demontre jan glwa Bondye a gran. Glwa vle di jan Bondye gran, jan li mèvèye. Ki bon bagay ki genyen nan nou menm ki demontre glwa Bondye?

Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè… Avèk bon konprann li, li te fè syèl la… Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit.

Som 136.1, 5, 9

Nenpòt timoun ki renmen Jezi sipoze reponn kesyon sa.

• Kisa Bondye fè ke li renmen plis ke etwal yo?

Plizyè timoun mèt reponn kesyon sa.

M’ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Som 139.14

Page 109: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

104 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ETWAL, AMOu BOnDYE, E MWEn MEnMSeksyon 6 Leson 1

Si ou vle louwe Bondye pou jan li fè ou, kanpe e louwe li, men di yon sèl fraz, epi chita, e kite yon lòt moun priye.

Pa egzanp, yon timoun gendwa di, “M louwe ou, Papa Bondye, paske ou fè m pou m ka chante lwanj ou.”

Timoun ki pi gran sipoze reponn kesyon sa.

• Si yon moun di ou, “Etwal yo pi enpòtan pou Bondye ke ou menm. Konpare ak yon etwal, ou sitèlman piti, ou prèske disparèt.” Ki jan ou ka reponn moun sa?

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap bat men pou Bondye ki veye solèy, lalin ak etwal yo, e ki veye yo menm tou.

Chwazi opsyon ki pi bon pou klas ou an.

Opsyon 1: Opsyon Etwal Deyò

Si klas ou fèt nan yon lè kote timoun yo ka gade etwal yo, mande timoun yo chita deyò e gade bèl kreyasyon Bondye a. Timoun yo pa sipoze gade ou menm. Yo sipoze gade etwal yo sèlman.

• Ki etwal ki pi gwo nan sa ou wè yo?

• Si ou konn non okenn etwal, montre nou li, epi di nou ki jan li rele.

• Gen moun ki imajine ke yo wè imaj nan etwal. Pa egzanp, jan kèk etwal ranje ka sanble ak yon tòti oubyen yon machin. Ki imaj ou wè ou menm? Di nou kisa ou wè e ede nou wè ki etwal wap montre nou.

• Fè kòm si ou gen yon zanmi ki avèg ki pa janm wè etwal yo. Dekri pou li ki jan syèl la plen etwal sanble.

• Kounyeya bat pou w esplike menm zanmi sa poukisa Bondye, Papa nou ki nan syèl la, sitèlman mèvèye.

Fen opsyon

Opsyon 2: Opsyon Anndan Klas

Si klas ou fèt yon lè oubyen yon kote timoun yo pap ka wè etwal yo, sèvi ak opsyon sa pito.

• Latè tap ka souviv menm san etwal. Poukisa ou panse Bondye fè yo, e poukisa ou panse li sitèlman fè anpil nan yo?

• Si ou te ka pran yon avyon pou w ale nan etwal yo, kisa ou tap renmen chache konnen de yo? Pa egzanp, ou gendwa tap vle konnen laj etwal yo. Kisa ankò?

• Ki limyè ou pi renmen – solèy, lalin, oubyen etwal? Poukisa?

Page 110: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

105KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ETWAL, AMOu BOnDYE, E MWEn MEnM Seksyon 6Leson 1

• Fè kòm si ou gen yon zanmi ki avèg ki pa janm wè etwal yo. Dekri pou li ki jan syèl la plen etwal sanble.

• Kounyeya bat pou w esplike menm zanmi sa poukisa Bondye, Papa nou ki nan syèl la, sitèlman mèvèye.

Fen opsyon

Fè timoun yo fèmen je yo pandan w ap li dènye seksyon sa.

Pouvwa etwal yo difisil pou nou imajine. Men panse ak sa: Bondye nou an ki fè yo e ki kenbe yo nan plas yo se Papa nou ki nan syèl la. Li kenbe nou chak nan men li. Lavi a difisil pafwa, men nou konnen li toujou kenbe nou nan men li. Li renmen nou. Li konnen non nou, menm jan li konn non chak etwal. Nou pa pou kont nou, sèl. Li kenbe tout bagay nan men li, e li kenbe lavi nou tou. Bondye nou an, ki kenbe tout linivè nan men li, kenbe lavi nou nan men li tou.

Bondye ki fè konbyen bilyon etwal e ba yo chak yon non, li renmen nou. Bondye ki siveye solèy la, lalin ak etwal yo siveye nou menm tou.

Pou fèmen klas la, fè timoun yo bat bravo pou gran Bondye nou an.

Page 111: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

106 ATIK SIPLEMAnTè

KI JAn PIFò TIFI APRAnn

Atik Siplemantè

Ki Jan Pifò Tifi AprannMarlene LeFever

Lè ou konnen ki jan pifò tifi aprann, ou ka anseye nan fason ke yo konprann e renmen. Se pa tout tifi ki aprann menm jan. Sa ou pral jwenn la se yon lis jeneral. Li ka ede ou, men si w ap anseye yon tifi ki aprann nan kèk lòt fason, ou dwe konnen ke se pa defo tifi a genyen. Bondye fè nou chak spesyal.

Enfòmasyon sou Fason Pifò Tifi Aprann

Tifi gen yon chemen pi fò ant 2 bò sèvo yo. Sa vle di ke tifi pi konpetan nan kominike ak nan fakilte motris yo. Tifi depann anpil sou kominikasyon vèbal. Yo pran anpil enfòmasyon nan dwat yo ke ti gason. Yo renmen ekri. Paske anpil fwa, moun pale e ekri anpil lè y ap anseye, tifi pi fasil pou moun anseye.

Tifi koute pi byen ke ti gason. Yo ka rete pou anpil tan ap koute yon moun pale. Sèvo yo gen 15% plis san k ap sikile ladan l, e sa vle di ke menm lè yon tifi sanble li pap koute, li toujou ap pran enfòmasyon.

Tifi ka wè ki jan ou santi w e kisa ou vle kominike nan ton vwa ou ak nan fason ou kenbe kò w. Pa egzanp, yon tifi ka wè si yon moun pa renmen li, menm sou moun nan ap souri.

Tifi ka metrize yo pi byen ke ti gason. Yo panse ak risk ki genyen plis. Si yon bagay gen twòp risk, tifi pap fè l.

Kè tifi fè yo mal pou moun ki nan bezwen, oubyen ki nan doulè. Yo reponn vit a sa. Pa egzanp, anpil tifi ka wè si w gen tèt-fè-mal, menm si w pa di yo sa oubyen menm si ou te panse ou tap kache sa.

Lè yo tounen adolesan (laj 13–19 an), tifi gen kèk pwoblèm nan aprann. Estwojèn, yon òmòn ki vin pi plis nan adolesans, ka koz tifi vin pi fèmen. Poutèt sa, yo vin gen mwens anvi eksplore yon bagay yo pa konnen, oubyen pran risk mantal.

Depi yo fèt pou tout lavi yo, tifi ka pran sant bagay trè byen. Yo tande pi byen ke ti gason tou. Yo ka tande yon vwa dou pi byen ke ti gason.

Tifi pran anpil enfòmasyon nan 5 sans yo. Yo renmen yon chanm ki dekore. Yo renmen rete nan yon chanm ki gen flè oubyen yon bagay pou yo gade. Yo jije granmoun sou rad ke yo mete ak nan jan yo penyen tèt yo tou.

Strès pi afekte tifi ke ti gason. Tifi pa pèfòme byen sou strès.

Page 112: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

107ATIK SIPLEMAnTè

KI JAn PIFò TIFI APRAnn

Tifi travay byen nan gwoup pi byen ke pou kont yo. nan gwoup, yo swiv ki lòd sosyal ki genyen. Yo konnen ki tifi ki pi enpòtan oubyen ki tifi ki pi entèlijan. Sa ka afekte jan yo konpòte yo.

Lè tifi nan konfli ak lòt moun, yo pi souvan ap vire do oubyen pale ak moun nan – yo pap souvan goumen. Tifi plis oryante sou kominote e ki jan moun ka antann yo byen.

Kèk Ide Pou Lè W ap Anseye Tifi

Lè tifi ak ti gason nan menm anviwònman pou yo aprann, planifye aktivite ki plis konsantre sou bezwen ti gason yo (W ap wè bezwen ti gason nan pwochen Atik Siplemantè.) Tifi yo ap adapte yo e ap renmen aprann nan plizyè fason.

Fè sèten ke tifi yo wè granmoun fi nan tout ilistrasyon w ap itilize. Si w ap pale de kèk moun ki jwe spò byen, ajoute yon fi nan lis la. Fè sa tou lè w ap pale de moun nan politik oubyen lidè sosyal – ajoute yon fanm nan lis la. Bay istwa de ni fi ni gason nan Bib la. Tifi ou yo bezwen konnen ke tifi enpòtan pou Bondye menm jan ak ti gason.

Page 113: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

108 ATIK SIPLEMAnTè

KI JAn PIFò TI GASOn APRAnn

Atik Siplemantè

Ki Jan Pifò Ti Gason AprannMarlene LeFever

Lè ou konnen ki jan pifò ti gason aprann, ou ka anseye nan fason ke yo konprann e renmen. Se pa tout ti gason ki aprann menm jan. Sa ou pral jwenn la se yon lis jeneral. Li ka ede ou, men si w ap anseye yon ti gason ki aprann nan kèk lòt fason, ou dwe konnen ke se pa defo ti gason an genyen. Bondye fè nou chak spesyal.

Enfòmasyon

Ti gason gen plis koneksyon ant selil ki nan sèvo yo ke tifi. Yo ka travèse de yon bò sèvo a yon lòt ak plis vitès. Sa vle di ke anpil fwa ti gason pi fò nan aktivite vit, tankou atrap e voye boul, ke tifi.

Anpil fwa ti gason aprann pi byen si y ap mache oubyen fè kèk lòt mouvman pandan y ap aprann.

Si ou gen ti gason ak tifi ansanm, tifi a gendwa sanble li gen plis lespri. Lè timoun yo rive apepre laj 6 an, tifi a gendwa yon 6 mwa devan ti gason an nan sa li konnen. Men lè yo rive nan laj 14 a 16 an, ti gason an vin jwenn tifi a. nou dwe evalye ti gason ak lòt gason, pa konpare yo ak tifi.

Anpil fwa, ti gason relye yo anpil sou kominikasyon non-vèbal. Sa vle di yo plis konprann jès ke pawòl. Si ou pase men nan do li, ba li yon ti souri oubyen kore avèk l, tout sa yo ap fè ti gason an konnen li spesyal pou ou. Pafwa sa yo gen plis enpòtans pou ti gason an ke sa ou di li. Men pawòl ou enpòtan tou.

Ti gason konn ajite lè yo oblije rete chita pou anpil tan san yo pa fè okenn mouvman. Yo gendwa santi yo annwiye fasil. Ti gason travay pi byen si yo ka pran kèk ti repo de tanzantan. Chache kèk fason aktif ki ankouraje yo kanpe e fè mouvman pou w anseye ti gason.

Ti gason ka fè yon bagay san yo pa reflechi tou. Yo gendwa fè yon bagay san yo pa panse ak konsekans ki genyen. Pa egzanp, yon ti gason gendwa eseye fè w tonbe san l pa panse ke ou ka frape, oubyen ou ka fache avèk li. Se konsa li montre ou ke li renmen ou.

Pafwa ti gason ka agresif. Yo plis rezoud konfli yo genyen ak goumen.

Page 114: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

109ATIK SIPLEMAnTè

KI JAn PIFò TI GASOn APRAnn

Ide pou w Anseye Ti Gason

Si wap anseye ti gason oubyen ede yo fè devwa, pèmèt yo fè mouvman. Fanm sitou dwe sonje jan li enpòtan pou ti gason fè mouvman pandan l ap aprann, paske anpil fi aprann pi byen nan chita nan yon chèz.

Ti gason pafwa konn gen difikilte pou yo aprann li. Pa fè yo wont si yo pa vle li pou tout moun tande.

Itilize aktivite ki pèmèt yo travay ak men yo oubyen gade kat jewografik oubyen chache fason pou yo ranje yon bagay.

Moman kote timoun ap aprann pa sipoze silan. Ti gason bezwen fè bri. Rele, chante e fè son tout fè pati nan pwosè pou anseye ti gason byen. Anpil fwa ti gason pa tande byen tankou tifi. Si posib, fè ti gason an chite toupre ou pandan l ap travay.

Anpil fwa, ti gason travay pi byen lè yo pa chita nan chèz. Chèz la se yon envansyon ki pa la twò lontan nan istwa lemonn. Chita twòp ka koz yon moun pa respire byen. Li ka mete presyon sou kolonn vètebral yon moun e sou senti li. Presyon nan do yon moun 30% plis lè l ap chita ke lè l ap kanpe. Chita nan chèz anpil koz moun vin pi fatige. Pèmèt ni tifi ni ti gason kanpe, chita atè, fè mouvman oubyen sote nan fason ki pap anpeche yo aprann.

Page 115: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

110

Adopte nan Fanmi BondyeSeksyon 6 • Leson 2Konsantre sou Fòmasyon Spirityèl

Tèm: Byen lontan, Bondye te fè plan pou l sove nou.

Jodia timoun yo aprann ki jan plan Bondye pou l sove nou an te kòmanse nan Jenèz e te fini ak Jezi.

Jodia timoun deside ki jan yo pral reponn a envitasyon Bondye pou yo fè pati nan fanmi li.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Yon ti wòch ke ou ka voye

Yon lòt opsyon • Yon boul oubyen blad • Si ou vle: Papye blan, kreyon desen

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Plan Bondye pou l sove nou. Lik 1.5–25

Objektif: Timoun pral tande yon revizyon de gwo plan Bondye a pou tout moun.

Esplike timoun yo ke tout mwa sa nou pral aprann bèl istwa nesans Jezi a. Byen si, anpil nan yo deja konnen istwa sa. Men, fwa sa, yo pral tande anpil bagay yo pat ankò konnen. Ankouraje yo pou yo koute byen, paske sa se premye chapit nan istwa ki pi enpòtan nan lemonn.

Gen anpil rezon ki koz moun ekri istwa. Gen anpil rezon ki fè nou repete yo anpil fwa a yonn lòt. Nan tout istwa ki janm bay, gen yonn ki pi enpòtan pase tout. Se istwa Bondye menm de ki jan li renmen nou.

Page 116: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

111KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ADOPTE nAn FAnMI BOnDYE Seksyon 6Leson 2

Bib la kòmanse ak kreyasyon an: Bondye te fè linivè enkwayab e mèvèye ak tout etwal yo. Li te kreye latè, yon bèl planèt gloriye kote moun li yo tap viv. Li pare yon bèl jaden kote pèp li a tap ka viv ann amoni avèk li.

Aprè sa, li te kreye moun. Li kreye moun nan pwòp imaj pa li. Bondye te kreye premye nonm nan, Adan, pou l jere jaden ke Bondye te fè a. Senyè a te bay Adan yon bon madanm ki te rele Ev. Yo te sipoze viv nan jaden an ansanm e fè timoun. Yo te ansanm ak yonn lòt e ak Bondye.

Bondye te di Adan ak Ev yo te ka manje nan nenpòt pyebwa nan jaden an sof pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Men Adan ak Ev te dezobeyi Bondye, e sa te peche. Yo te vin konprann ke yo pa t pa bon zanmi Bondye san defo ankò. Pou premye fwa a, yon santi gwo wont.

Chwa Adan ak Ev lan te pote peche nan lemonn ki te afekte tout moun. Bondye te toujou renmen moun li te kreye yo, men peche te separe nou ak Bondye. Men, Bondye te gen yon plan. Menm avan Adan ak Ev te fè peche, Bondye te gentan konnen yo tap fè sa, e li te pare yon chemen pou l retire peche moun e padonnen yo. Ala bèl plan!

Senyè a te chwazi pèp Izrayèl la pou yo te fè gwo pati nan plan li a. Nou etidye anpil istwa nasyon sa a nan Ansyen Testaman an. Bondye te pwomèt ke li tap voye yon Sovè, ki te rele Mesi a tou, vini nan lemonn. Sovè sa a pa tap fè okenn peche. Se li ki tap rebati relasyon ant nou menm ak Bondye. Se li menm ki tap defèt pouvwa lanmò ki vini ak peche. Nasyon Izrayèl la tap tann Mesi sa a.

Tout sa m sot di ou mennen nou nan istwa Nowèl la. Bondye te voye Mesi ke l te pwomèt la, men li pat yon nonm òdinè. Yon nonm tankou tout moun tap fè peche. Men Jezi pa tap fè okenn peche. Li konplètman Bondye e konplètman moun. Men li te mennen yon vi san peche, san defo. Pa menm yon manti menm! Pa menm yon move panse!

Lè Jezi te fèt, nasyon Izrayèl la te nan pwoblèm. Se lajan ak pozisyon ke anpil nan prèt ak lidè relijye yo tap chache. Yo pat obeyi Bondye. Yo te mete yon pakèt lòd byen di sou pèp la e te maltrete yo tou. Yo te panse plis ak lajan ak pouvwa yo ke sou Bondye.

Pèp jwif la te gen yon lòt gwo pwoblèm ankò. Se Anpi Women an ki tap kontwole Izrayèl. Women yo pat kwè nan Bondye Izrayèl la. Okontrè, yo te adore yon pakèt fo dye ak idòl. Yo te menm adore pwòp anperè pa yo, tankou li te yon dye tou.

Se Wa Ewod Women yo te mete jere Izrayèl. Li te yon nonm kriyèl anpil. Wa Ewòd te menm bay touye anpil nan manm fanmi li pou l anpeche yo pran twòn nan anba li.

Pandan epòk difisil sa, anpil bon nonm ak fanm te toujou onore Senyè a jan yo te kapab. De nan bon moun sa yo te rele Zakari ak Elizabèt.

Zakari, ki te yon prèt, ak Elizabèt te tris paske yo pat gen okenn timoun. Selon sa moun nan epòk sa te kwè, tout vwazen yo te panse ke Bondye pa t ba yo timoun paske

Page 117: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

112 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ADOPTE nAn FAnMI BOnDYESeksyon 6 Leson 2

Bondye tap pini yo. Men se pa pini Bondye tap pini yo vre. Okontrè, li tap sere Zakari ak Elizabèt pou on bèl benediksyon. Bondye tap pral itilize nan yon fason pwisan!

De fwa chak ane Zakari, tankou tout prèt yo, te sèvi nan tanp lan nan Jerizalèm. Prèt yo chak pran tou pa yo pou yo ofri sakrifis sen pèp jwif la. Chak fwa yo sèvi nan tanp lan, yo chwazi yonn nan prèt yo brile yon lansan spesyal pou Senyè a. Fwa sa a, se Zakari Bondye chwazi.

Lè Zakari antre nan Kote Pi Sen an, yon gwo zanj parèt devan li! Zanj lan te sitèlman majestik e gloriye ke Zakari tranble! Zanj sa, ki te rele Gabriyèl, te soti dirèk nan Bondye pou l pote yon mesaj pou Zakari.

Zanj lan di li, “Ou pa bezwen pè, Zakari. Bondye tande priyè ou. Madanm ou Elizabèt pral akouche yon pitit gason. W ap rele l Jan. L ap yon jwa pou ou e ba ou kè kontan. L ap gran devan Senyè a tou. Piga li janm bwè diven. L ap plen Sentespri a, menm avan li fèt. Lè li gran, l ap mennen moun tounen vin jwenn Bondye. L ap pare chemen pou Senyè a.”

Zakari te yon prèt. Li te etidye pawòl Bondye. Li te konprann ke te gen pwofesi sou moun ki tap vin pare chemen pou Senyè a. Nonm sa tap yon pwofèt tankou Eli. Zanj lan te di Eli ke pitit gason li an sa tap yon pòt-pawòl pou Bondye ki tap vini pou l pare moun pou lè Sovè a tap vini an.

Lè Zakari tande sa, li te difisil pou l kwè sa zanj lan tap di. Zakari te fin granmoun, e madanm li te fin granmoun tou. Moun pa fè ti bebe lè yo fin granmoun. Zakari kesyone sa zanj lan di li. Epi paske Zakari te doute zanj lan, Gabriyèl di l konsa:–Paske ou pa t kwè pawòl mwen, ou pap pale tout tan pitit la pa fèt.

E la menm pawòl Gabriyèl vin rive vre.! Lè Zakari soti nan tanp lan, moun ki tap priye deyò a yo te wè ke te gen yon bagay ki rive, men Zakari pa t ka pale pou l di yo!

Zakari tounen lakay li al jwenn madanm li, e madanm li vin ansent. Ala yon bèl mirak pou tout moun te ka wè! Elizabèt rejwi pou benediksyon sa ke l pa t atann. “Se Senyè a ki fè sa pou mwen,” Elizabèt di.

Pitit gason Elizabèt ak Zakari an, Jan, tap yon gran pwofèt ki tap pare nasyon Izrayèl la pou lè Sovè a, Jezi, tap vini an. N ap aprann plis sou sa nan semènn kap vini an.

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap revize kòmansman plan Bondye a ki pou sove yo nan peche yo.

Jwe yon jwèt pou w revize ak timoun yo. Fè timoun yo kanpe nan yon wonn. Esplike ke ou pral voye yon ti wòch oubyen yon ti boul oubyen blad bay yon moun nan wonn nan, epi moun sa pral di yon bagay li aprann jodia. Aprè sa, timoun sa pral voye bay yon lòt timoun ki pral di sa li menm li aprann. Kontinye jouskaske chak timoun patisipe.

Page 118: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

113KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ADOPTE nAn FAnMI BOnDYE Seksyon 6Leson 2

Ankouraje konvèsasyon ak kesyon sa yo:

• Kisa nan leson an ou tande pou premye fwa, ou pa t konnen avan jodia?

Kite plizyè timoun reponn kesyon sa.

• Pou ou menm, ki pati nan istwa a ou pi renmen?

• Si Bondye te kite ou wè yon zanj, ak kisa ou panse li tap sanble?

Bay timoun yo apepre 3 minit pou yo imajine ak kisa zanj tap sanble. Esplike yo ke moun pa konnen, paske yo pa vin kote moun ankò, men yon jou nan syèl la, n ap sezi lè nou wè yo.

Yon lòt opsyon:

Bay timoun yo papye blan ak kreyon desen. Bay yo 3 minit pou yo desine zanj. Lè yo fini, yo ka montre klas la sa yo desinen.

Fen opsyon

• Fè kòm si ou se Zakari. Kisa ou tap di moun ki tap priye deyò tanp lan lè ou vin soti?

• Fè kòm si ou se Zakari. Ou tounen lakay ou vin wè Elizabèt. Fè jès pou w di li kisa ki sot pase ou nan tanp lan. Sonje, ou pa ka pale.

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap kòmanse konprann ke Bondye vle pou yo chak fè pati nan fanmi li.

Istwa nou jodia enpòtan anpil. Bondye fè yon plan ki pou pèmèt nou chak fè pati nan fanmi li pou tout tan nèt. Pa gen timoun ke Bondye pa vle ni ke li pa renmen.

Esplike ke li gendwa pa sezon nowèl, men n ap revize anpil bèl bagay sou evènman sa nan istwa lemonn. Jodia se yon bèl lè pou nou chante kèk kantik nowèl. Aprè klas la, gen moun ki gendwa tande chan nowèl n ap chante yo e y ap mande kisa k ap pase nan klas la. Sa se yon bèl lè pou timoun yo rakonte lòt moun sa yo aprann nan klas la.

Konsèy pou Pwofesè: Ou gendwa fè kèk fotokopi oubyen vini ak liv chan, pou timoun yo ka chante kèk kantik nowèl. Kit ou gen liv, kit pa gen liv, chante chan yo yon fason pou timoun yo ka tande e reflechi sou pawòl yo. Yo gendwa konn tande pawòl yo, men si yo tande yo twòp, yo pa sipoze pèdi pouvwa yo nan lavi nou.Fèmen leson sa a e mande tout timoun yo chita. Fè chak timoun kanpe – yonn pa yonn – pou yo di “Bondye vle mete m nan fanmi li,” epi fè timoun nan rete kanpe aprè li di sa. Fè sa jouskaske tout timoun fin kanpe.

Page 119: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

114

Bondye, Sèvi Avè mSeksyon 6 • Leson 3Konsantre sou Fòmasyon Spirityèl

Tèm: Bèl istwa nowèl Bondye a

Jodia timoun yo aprann ke Bondye te sèvi ak Mari ak Jozèf paske yo te disponib.

Jodia timoun deside si yo vle pèmèt Bondye sèvi avèk yo jodia.

MATERYÈL KE W AP BEZWENYon lòt opsyon • Papye blan • Kreyon • Kreyon desen

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Bondye sèvi ak Mari ak Jozèf nan gran

plan li. Lik 1.26–80; Matye 1.18–25Objektif: Timoun pral aprann ki jan Bondye te sèvi ak Mari ak Jozèf paske yo te disponib.

Mande kèk timoun revize istwa Zakari ak Elizabèt ke yo te tande. Aprè, li istwa sa a pou yo.

Konsèy pou Pwofesè: Yon zouti ki fò anpil pou pwofesè se kite timoun anseye yonn lòt. Lè timoun mete istwa yo tande nan mo ak pawòl pa yo, sa ede yo ranje e prezante sa yo konnen. E pou sa k ap koute yo, yo tande istwa a nan jan yo menm timoun konn pale a, ki ka ede yo konprann li pi byen.6 mwa aprè Bondye te voye anj Gabriyèl ale wè Zakari, li te voye anj Gabriyèl nan yon lòt misyon ankò. Fwa sa, Bondye te voye li ale kote yon kouzin Elizabèt ki te rele Mari. Li pat marye. Li te yon vyèj. Sa vle di ke li pat ankò janm kouche ak gason. Mari te fiyanse pou l marye ak yon chapant ki te rele Jozèf. Mari te yon jenn adolesan.

Bondye te voye Gabriyèl ak yon mesaj spesyal. Li di l konsa: “Bonjou! Ou spesyal anpil pou Bondye! Senyè a avèk ou.”

Page 120: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

115KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

BOnDYE, SèvI Avè M Seksyon 6Leson 3

Gabriyèl wè ke Mari te pè e ke l pat konprann mo sa yo, e li esplike l: “Ou pa bezwen pè, Mari. Bondye fè w favè. Ou pral akouche yon pitit gason. Ou dwe rele l Jezi. Li va gran, e yo va rele l Pitit Gason Pi Gran Wa a.”

Mari pat ankò marye. Ki jan pou l ta fè fè yon timoun? Li mande anj lan, “Ki jan pou sa fèt, pwiske m poko janm kouche ak okenn gason?”

Gabriyèl esplike l: “Sentespri a va desann sou ou, e pwisans Gran Dye a va vini sou ou. Se konsa, pitit la ki pral fèt la pral Pitit Bondye a. Elizabèt, kouzin ou, pral akouche, menm kon li granmoun. Tout moun di Elizabèt pa tap janm fè pitit, men kounyeya li gentan gen 6 mwa gwosès. Pa gen anyen ki enposib ak Bondye!”

Menm kon pawòl Gabriyèl te etranj, Mary te fè Bondye konfyans. Plis ke tout lòt bagay, Mari te fè Bondye konfyans. Li te prèt pou Bondye sèvi avèk li.

Mari di, “M se sèvant Senyè a. Si se sa Bondye vle pou mwen, se sa m vle tou.” Li te kwè ke li te ka mete konfyans li nan sa zanj lan te di. Lespri Bondye a tap vini e Bondye tap pran swen li. Konfyans li nan Bondye te fò anpil.

Mari te di wi a Bondye, men nou konnen li te gen anpil kesyon tou. Li te gendwa ap mande tèt li bagay tankou, kisa fanmi m pral di lè yo vin konnen m ansent? Kisa vwazen m yo tap pral di? Eske Jozèf, nonm li te gen pou l marye a, tap kwè ke se te pitit Bondye bebe a te ye? Eske Jozèf tap akize l kouche ak lòt gason? Eske l tap pèdi fiyanse li? Eske tout moun tap vire do ba li?

Se te kesyon ki te enpòtan e ki te fè Mari pè, men Mari te konnen ke Bondye toujou fidèl. Li te kwè nan Bondye. Li te prèt pou l fè sa Bondye mande l fè a.

Mari te al vizite kouzin li, Elizabèt, ki te ansent tou. Lè Elizabèt premye tande vwa Mari, bebe a nan vant li sote. Sentespri Bondye a plen nanm li e li di Mari, “Mari, ou beni pami tout fanm. Bebe sa ou pote a pral beni tou. Poukisa m si beni ke ou menm, manman Senyè a, tap vin vizite mwen? Kon m tande vwa ou, ti bebe a nan vant mwen sote ak lajwa. Bondye beni ou paske ou te kwè ke Bondye ap fè sa l di l ap fè a.”

Elizabèt te yon fanm ki te plen lafwa, menm jan ak Mari. Li te rejwi avèk Mari pou pitit li pote a. Mari te deklare jwa pa li ak yon bèl powèm. M ap li powèm nan dousman 2 fwa pou nou:

Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa. Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.

Paske li voye je l sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi kounyeya, epi pou tout tan, tout moun pral di:

Ou se yon fanm Bondye beni!

Page 121: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

116 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

BOnDYE, SèvI Avè MSeksyon 6 Leson 3

Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.

L’ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. Li fè lezòm santi fòs ponyèt li.

Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo. Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo.

Li leve moun ki pa gen pretansyon yo. Li bay moun ki grangou yo anpil byen.

Li voye rich yo ale san anyen. Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k’ap sèvi l la.

Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, pou Abraram ansanm ak tout ras li a, daprè pwomès li te fè zansèt nou yo.

Lik 1.46–55

Mari te konnen ke li te yon tifi senp, yon tifi andeyò, men ke Senyè a te wè li e te beni li. Tout latè tap konnen ke Bondye te chwazi Mari pou akouche Sovè tout latè.

Mari te rete ak Elizabèt ak Zakari pou yon ti tan toujou. Men tout tan sa, Zakari pat ka pale. Sonje, li pat ka pale paske li te doute pawòl zanj Gabriyèl la. Aprè 3 mwa, Mari te tounen lakay li.

Elizabèt te akouche yon ti gason, menm jan zanj lan te di. Fanmi yo ak vwazen yo te sezi e te kontan. Lè lè a rive pou yo bay pitit gason an non li, tout moun te panse yo tap ba li yon non kèk fanmi yo. Men Gabriyèl te di Zakari pou l rele pitit la Jan. Menm kon Zakari pat ankò ka pale, Elizabèt te esplike te se Jan yo tap rele pitit la. Tout moun kòmanse diskite avèk Elizabèt. Ki jan pou yo ta fè kase tradisyon sa?

Men Zakari te rete fèm. Li ekri, “Non li va rele Jan.” E se te obeyisans sa ki te libere Zakari anba silans li. Lamenm, li vin ka pale ankò. Li sèvi ak bouch li pou l louwe Bondye pou gran benediksyon li. Li te plen Sentespri a e te deklare, “M louwe Bondye pou pitit mwen, Jan, ki va yon pwofèt Bondye. L ap pare chemen pou Sovè k ap vini an.”

Bondye te beni Zakari menm kon li te manke lafwa, e Zakari te plen lajwa.

Te gen yon lòt nonm ki te bezwen yon lafwa pwisan nan plan Bondye – Jozèf. Lè Jozèf te aprann ke Mari te ansent, li pat kontan menm. Li te panse ke Mari te twonpe li ak yon lòt gason. Li te panse ke Mari te fè ni li menm, ni tèt pa li wont. Se konsa Jozèf mete nan tèt li pou l kase fiyansay la.

Page 122: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

117KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

BOnDYE, SèvI Avè M Seksyon 6Leson 3

Jozèf te konnen ke selon lwa jwif yo, li te ka bay Mari pou yo lapide li – sa se kote yo tire wòch sou yon moun jouskaske li mouri. Li te ka anonse devan tout moun ke li pat vle marye avèk Mari, ki tap fè Mari wont anpil. Li te ka pwoteje repitasyon pa li epi di tout moun ke pitit la pat pou li. Men Jozèf pat vle fè Mari wont, menm si l te panse Mari te fè l kèk mal. Se konsa, li mete nan tèt li pou l kase fiyansay la san deblozay, pou l pa pote plis wont sou Mari.

Kon Jozèf fin deside sa pou l fè, li ale sou kabann li pou l dòmi. San dout, kè li te lou anpil. Pandan l tap dòmi, yon anj vin kote l nan yon rèv. Anj lan di l konsa: “Jozèf, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Pitit li soti nan Sentespri a. L ap akouche yon ti gason, e ou dwe rele l Jezi, paske se li menm ki va sove pèp li a nan peche yo.”

Jozèf te kwè anj lan. Pitit Mari a te soti nan Senyè a! Pi Gran Dye a tap konfye pitit li a Mari ak Jozèf! Jozèf tap pral yon papa adoptif. Li tap pral ede leve pitit gason Bondye a.

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap pale sou istwa a.

Pale sou kesyon sa yo ak timoun yo. Ankouraje plis ke yon sèl timoun reponn a yon kesyon, si repons la diferan.

• Mari te fè Bondye konfyans lè l te mande l fè yon bagay ki te difisil anpil. Eske gen moun la ki fè Bondye konfyans nan yon sitiyasyon difisil? Eske ou ka esplike nou li?

• Nan sa w konnen de Mari nan istwa sa sèlman, ki jan ou ta dekri Mari?

• Panse ak kèk gran moun ou konnen k ap fè gwo travay pou Bondye. Ki jan ou ta dekri yo?

• Gen nan nou ki vle fè gwo travay pou Bondye nan lavi ou. Ki mo ou ka sèvi pou w dekri jan ou ta vle ye lè ou gran? Poukisa ou chwazi chak mo?

Yon lòt opsyon, si w gen tan:

Anpil fwa, timoun renmen jwe wòl moun nan istwa yo tande. Chwazi timoun ki pou fè wòl Mari, Elizabèt, Zakari, anj Gabriyèl ak Jozèf, pou yo jwe istwa ke yo sot tande a.

Fen opsyon

Page 123: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

118 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

BOnDYE, SèvI Avè MSeksyon 6 Leson 3

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap louwe Bondye e deside pèmèt Bondye sèvi avèk yo.

Mari, Elizabèt ak Zakari tout te louwe Bondye pou sa li tap fè nan lavi yo. Annou louwe Bondye nan danse ak chante.

Chwazi yon ti kè ke tout timoun yo konnen. Pase kèk minit ap louwe Bondye ansanm.

Fèmen klas la e ankouraje timoun yo fèmen je yo e reponn a kesyon sa nan kè yo, “Eske m dakò pou m kite Bondye sèvi avèk mwen menm jan li te fè Mari ak Jozèf?” Fè yo konnen ke si repons yo se “Wi” e yo onèt, Bondye va sèvi avèk yo nan lavi yo nan fason yo pa tap janm ka imajine jodia.

Yon lòt opsyon:

Fèmen klas la ak yon ti aktivite kout. Bay chak timoun yon papye ak yon kreyon. Fè chak timoun ekri, “M ap kite Bondye sèvi avèk mwen.” Bay yo kreyon desen pou yo ka dekore papye a. Mande timoun yo pote papye sa avèk yo pou yo ka toujou sonje sa yo di a. Si yo dakò pou yo kite Bondye sèvi avèk yo jan l te sèvi ak Mari ak Jozèf, mande yo siye non yo e montre ou papye a pita nan mwa sa.

Fen opsyon

Page 124: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

119

Eske m Vle Swiv Bondye?Seksyon 6 • Leson 4Konsantre sou Fòmasyon Spirityèl

Tèm: Se pou n louwe Jezi.

Jodia timoun yo aprann plis sou pi bèl istwa ki janm rakonte.

Jodia timoun deside pran yon semènn ap reflechi sou si yo vle swiv Jezi.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Si w vle: • Kèk moso bwa ak lòt objè ki fasil pou w jwenn

Yon lòt opsyon • Papye blan • Kreyon oubyen kreyon desen

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Jezi fèt e yo louwe li. Lik 2.1–40

Objektif: Timoun tande plis detay sou nesans Jezi.

Pran 3 ou 4 minit sèlman pou w revize leson 2 semènn ki sot pase yo, epi li yo rès istwa a. Li ak anpil ekspresyon. Se vre, w ap rakonte pi bèl istwa ki janm rakonte!

Lè Jozèf leve nan rèv li, jan nou te aprann semènn pase, li te konnen ke zanj Senyè a te pale avèk li. Ansanm, Jozèf ak Mari tap pral leve pitit la ki te Pitit Bondye! Yo te yon gwo pati nan plan Bondye pou l padonnen peche moun pou yo te ka byen ak Bondye ankò. Jozèf te obeyi Bondye lamenm. Li te obeyi enstriksyon zanj lan.

Lè a te prèske rive pou Mari akouche. Men Seza Ogis, wa women an, te bay yon kòmann pou yo fè yon resansman nan peyi a. Li te vle konte konbyen moun ki te anba pouvwa li pou l te ka fè yo peye enpo. Jwif yo te oblije retounen nan vil kote yo te fèt la pou yo enskri nan resansman. Jozèf te oblije kite Nazarèt pou l al konte nan vil Bètleyèm.

Page 125: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

120 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ESKE M vLE SWIv BOnDYE?Seksyon 6 Leson 4

Jozèf ak Mari kòmanse vwayaj long ki te devan yo. Te gen plizyè santènn lòt moun ki tap pati tou. Tout tap obeyi kòmann Seza. Wout la te long e te plen pousyè. Lè yo te rive Bètleyèm, san dout yo te fatige anpil. Men pa t gen kote pou yo repoze. Tout chanm otèl ak chanm kay moun te okipe deja.

Kisa pou Jozèf te fè? Men madanm li prèt pou l akouche, e pèsonn pa ede yo. Anfen, mèt yon otèl di yo ke yo mèt dòmi nan etab li.

Yon etab pa yon bèl kote pou moun rete, men se sèl kote yo ka jwenn. Lè a te rive pou Mari akouche. Jozèf mennen jenn madanm li nan etab la e li bat pou l mete Mari alèz, la pami bèf ak kabrit yo. Lè ti bebe yo a te fèt, yo vlope li nan twal e yo mete l kouche nan yon krèch, kote moun te konn bay bèt manje. La, nan fason emb e dou sa, Pitit Gason Pi Gran Dye a te fèt.

Menm lè pat gen anpil moun sou latè ki te konnen kisa ki tap pase jou swa sa a nan ti etab la, tout zanj yo nan syèl la tap veye tout sa ki te pase. Te gen nan yo ki te gen yon devwa spesyal pou yo anonse nesans Pitit Gason Bondye a.

Ki moun ou panse Bondye te voye zanj yo al anonse nesans Jezi? Seza, wa Women an? Larenn ak wa lòt peyi? Gwo prèt Izrayèl ki tap sèvi nan tanp Bondye a? Non! Bondye te chwazi kèk bèje, kèk moun yo mete travay, ki te deyò a jou swa sa ap veye mouton yo. Pou moun lemonn, bèje sa yo pat enpòtan menm, men yo te enpòtan anpil pou Bondye. Se yo ki tap premye konnen ke Pitit Bondye a vini sou latè. Bondye te voye bèl zanj li yo al rakonte yo sa.

Plenn bò Bètleyèm pat lwen tanp Jerizalèm nan, kote chak maten ak chak swa, yo te ofri yo mouton san defo kòm sakrifis pou peche pèp Izrayèl la. Jou swa sa, menm lè moun pat konnen sa, pi bèl Mouton Bondye an, ki retire tout peche lemonn, te fèt.

Imajine ki jan li te ye jou swa sa nan Bètleyèm. Bèje yo te andeyò nan plenn yo, ap veye mouton yo. Pandan yo te chita la, yon bèl zanj parèt. Men ki jan Bib la dekri li:

Nan menm zòn sa a, te gen gadò mouton ki t’ap pase nwit la deyò ap veye mouton yo.

Lè sa a, yon zanj Bondye parèt devan yo, bèl limyè Bondye a klere tout kote yo te ye a. Yo te pè anpil. Men zanj lan di yo konsa:

–Pa pè. N’ap anonse nou yon bòn nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil. Jodia, nan lavil David la,

nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Senyè a. Men remak ki va fè nou rekonèt li:

n’a jwenn yon tibebe vlope nan kouchèt, kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje. Menm lè a,

Page 126: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

121KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ESKE M vLE SWIv BOnDYE? Seksyon 6Leson 4

yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan. Yo t’ap fè lwanj Bondye, yo t’ap di konsa: wanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze

sou latè pou tout moun li renmen. Lik 2.8–14

Imajine syèl la plen zanj, k ap chante lwanj Bondye. Bèje yo tap gade mèvèy sa. Ki mèvèy ki genyen Bètleyèm? Ki jan de moun ki tap mete yon tibebe nan yon krèch pou manje bèt? Sitou tibebe sa ki si enpòtan?

Aprè sa, zanj yo tounen nan syèl la, epi bèje yo al chache ti pitit la. Yo jwenn ti bebe Jezi ap kouche nan yon krèch ak manman l ak Jozèf toupre, menm jan zanj yo te di. Ki jan ou panse sa te ye pou Mari ak Jozèf pou yo tande istwa bèje yo? Yon gwo foul zanj ki tap pwoklame lwanj poutèt nesans Pitit Gason Bondye a!

Ala yon jou swa mèvèye! Bèje yo te di tout moun kisa ki te pase. Menm jan ak zanj yo, yo tap pase bòn nouvèl la bay tout moun de nesans Kris la ki vini sou latè.

Vil Jerizalèm te 3 kilomèt de vil Bètleyèm. 40 jou aprè Jezi fèt, Mari ak Jozèf al mennen Jezi nan tanp lan pou yo dedye l a Bondye. Pandan yo te nan tanp lan, yon nonm ki rele Simeyon te vin kote yo. Li te santi Sentespri a te pouse l ale nan tanp lan nan moman sa. Pandan anpil ane, li te pase anpil tan ap priye Bondye, e Bondye te asire Simeyon ke avan li mouri, li tap wè Mesi a.

Sanble Simeyon te fin granmoun, men li te toujou tann Bondye ak yon lafwa fò anpil. Lè li te wè Mari ak Jozèf ak ti bebe Jezi nan men yo, lamenm li te vin konprann ke se te pitit sa ki te Pitit Bondye a. Li te pran Jezi nan bra li. Simeyon di,–O Bondye, kounyeya m ka mouri ak kè kontan paske m wè Mesi a ki pote sali pou tout moun.

Simeyon gade Mari e li di l konsa:–Pitit sa ap moutre tout moun kisa ki nan kè yo. Gen moun k ap asèpte li, gen moun k ap dèyè fè li mal. Mari, se pa tout bagay k ap fasil. Yon jou, w ap santi se yon epe ki pèse kè ou.

Senyè a te pote yon lòt mesaj ankò bay Jozèf ak Mari pandan yo te kontinye mache nan lakou tanp lan. Yon ti granmoun fanm ki te rele Àn te la. Mari li te mouri aprè yo te gen 7 an marye sèlman. Àn sa te fè tout tan li ap priye Senyè a. Kounyeya li te gen 84 an.

Lè Àn te wè Jezi, Bondye di li ke se figi Mesi a li tap gade. Kè li te plen lwanj e te kontan. Li te sitèlman plen jwa ke li te remèsye Bondye pou bebe Jezi e te pale tout moun de li.

Mari te pran tout bagay sa yo ki te pase, e li sonje li. Li sere yo nan fon kè li.

Page 127: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

122 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ESKE M vLE SWIv BOnDYE?Seksyon 6 Leson 4

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap fè skètch istwa nowèl la e y ap pataje sa yo te aprann nan istwa a.

Chwazi kèk timoun pou bay istwa nowèl la ke ou sot rakonte a. W ap bezwen yon Mari, yon Jozèf, yon mèt otèl, kèk bèje, Simeyon ak Àn. Rès klas la se zanj.

Ankouraje plizyè timoun reponn a kesyon sa:

• Kisa ou panse Bondye vle nou aprann nan bèl istwa sa a?

Separe timoun yo nan 3 gwoup. Bay chak gwoup yon moso nan istwa a – pa egzanp, lè Mari ak Jozèf pa t ka jwenn otèl pou yo desann, lè bèje yo tap vizite ti bebe a nan krèch la, e lajwa Àn lè l te wè Jezi. Chak gwoup ka fè kèk ti mizik, kè ti bit, yo ka fredonne, oubyen itilize kèk ti objè tankou bwa pou yo fè sa. Mizik la sipoze reflechi santiman ak atmosfè sèn nan. Bay timoun yo kèk minit pou yo prepare, epi fè timoun yo fè mizik yo pou tout klas la.

Yon lòt opsyon:

Bay timoun yo papye blan ak kèk kreyon oubyen kreyon desen. Di yo chak pou yo desinnen yon pati nan istwa a. Yo mèt chwazi yon pati nan toule 3 leson sou istwa sa a ke yo tande deja. Lè yo fini, timoun yo ka montre rès klas la sa yo desinen an, e klas la ka detèmine lòd imaj yo – sa ki te vini avan, e sa k vini aprè nan istwa a. Chak timoun sipoze di klas la poukisa li desinen pati ke l chwazi desinen an tou.

Fen opsyon

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Ankouraje timoun yo reflechi pou yon semènn sou fè pati nan fanmi Bondye.

Konsèy pou Pwofesè: Anpil fwa timoun pran desizyon paske yo vle fè pwofesè oubyen lòt granmoun plezi. Yo konnen ke ou vle yo vin Kretyen, e pafwa yo gendwa fè sa kòm yon jès pou ou olye de paske se desizyon pa yo. Mande yo reflechi sou sa pou yon semènn se yon fason pou w asire ke desizyon yo reyèl. Ou vle desizyon pou yo swiv Kris soti nan kè yo pou Bondye.Nou rete yon sèl leson pou nou pale sou istwa Nowèl la. Pandan leson k ap vini an, w ap gen okazyon pou w asèpte Jezi kòm Sovè ou. Sa se yon gwo desizyon enpòtan. Gen nan nou ki deside deja ke nou vle fè pati nan fanmi Bondye. Gen nan nou k ap reflechi toujou, ki poko konnen. M vle pou w pran semènn sa k ap vini an pou w reflechi sou desizyon sa. Eske se yon bagay ke ou vle fè vre?

Page 128: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

123KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

ESKE M vLE SWIv BOnDYE? Seksyon 6Leson 4

Si ou pran desizyon sa vre, men kèk bagay ke Bondye pwomèt:

W ap adopte nan fanmi li pou tout tan. L ap Papa ou ki nan syèl la.

Jezi te san defo, se sa ki fè li te ka mouri pou peche ou. Sa vle di ou ka pale dirèk ak Bondye.

Bondye ap avèk ou pou rès lavi ou.

L ap gide ou nan pale avèk ou a travè Bib la, a travè lòt moun ki swiv Jezi, e pafwa a travè konsyans ou oubyen panse pwofon ke w genyen.

Li pwomèt ke li gen bon plan pou lavi ou. Ou ka montre l ke ou renmen l lè ou sèvi li.

Chante kèk ti kè ki pale de Jezi ke tout timoun yo konnen e renmen.

Page 129: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

124

Deside pou m Kite Bondye Adopte MwenSeksyon 6 • Leson 5Konsantre sou Fòmasyon Spirityèl

Tèm: Bèl istwa nowèl Bondye a

Jodia timoun yo aprann kisa li vle di pou yo vin tounen pitit Bondye pou tout tan.

Jodia timoun deside si yo vle adopte nan fanmi Bondye.

MATERYÈL KE W AP BEZWENYon lòt opsyon • Papye blan • Kreyon oubyen kreyon desen

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Maj yo louwe Jezi e Bondye pwoteje Pitit

Gason li an. Matye 2.1–23Objektif: Timoun ap revize istwa jan Bondye te pran swen Pitit Gason li, Jezi.

Fè 3 ou 4 minit ap revize leson 3 semènn ki sot pase yo sou istwa nowèl la. Aprè, li dènye pati sa pou timoun yo. Semènn sa enpòtan anpil. Jodia ou pral ankouraje timoun yo asèpte Jezi nan lavi yo.

Mari ak Jozèf ansanm ak Jezi te kontinye abite Bètleyèm. Kèk kilomèt de kote yo te ye a, nan vil Jerizalèm, move wa Ewod te abite. Tout moun te konnen ke Ewod te fè touye kèk moun nan fanmi li paske li te pè yo tap pran pouvwa nan men li.

Yon jou yon karavàn moun te vin antre Jerizalèm soti byen lwen. Yo te antre nan vil la byen wo sou chamo yo. Yo te mete bèl rad fen moun ki gen anpil lajan.

Moun nòb sa yo te ale dirèk nan palè Wa Ewod. Yo tap chache nouvo wa ki te fèt

Page 130: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

125KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

DESIDE POu M KITE BOnDYE ADOPTE MWEn Seksyon 6Leson 5

la. 3 maj sa yo, moun saj, te soti nan lest – nan peyi Pès oubyen Arabi. Yo te etidye matematik, literati, syans ak etwal yo.

Yon jou, yo remake gen yon nouvo etwal ki parèt nan syèl la. Nonm sa yo te konnen ke etwal sa a te endike ke yon nouvo wa te fèt, men nou konn ki jan yo te fè konn sa. Se konsa, yo pran tout afè yo, mete sou chamo, epi yo vwayaje pou y al jwenn nouvo wa a. Yo te pote kado ki te chè anpil pou pitit la ke etwal la te anonse.

Lè yo te rive Jerizalèm, kapital jwif yo, yo te panse ke se nan palè Wa Ewod pou yo te ale jwenn nouvo wa a. Yo panse petèt nouvo wa ki fenk fèt la te gendwa pitit Wa Ewod. Men yo pat jwenn li la!

Lè Maj yo mande Wa Ewod pou nouvo wa a, Ewod vin pè. Ewod pat sèvi Bondye, li te konsène ak pouvwa pa li sèlman. Ki moun nouvo wa sa a te ye menm? Ewod voye rele prèt jwif yo, e li mande yo ki kote Bib la di ke Mesi a tap pral fèt. Epi Wa Ewod pran poz li byen ak Maj yo.

Prèt yo esplike ke pwofesi Ansyen Testaman an di ke Mesi a tap fèt nan vil Bètleyèm. Kounyeya maj yo konnen ki kote pou yo ale. Ewod mande yo pou yo retounen nan palè li aprè yo jwenn ti bebe a. Li fè kòm si li vle adore pitit la tou. E yo te dakò pase vin wè Ewòd avan yo tounen nan peyi yo.

Maj yo monte chamo yo ankò e yo vwayaje al Bètleyèm. Pandan yo kontinye wout yo, yo wè kote etwal la parèt ankò. Yo te plen lajwa! Etwal la te gide yo nan kay kote Jezi te abite a. Lè yo te wè ti pitit la, Jezi, Maj yo te konnen ke se li menm ki te wa a. Yo te mete ajenou e yo te adore li.

Mari ak Jozèf te gendwa sezi anpil pou yo wè moun rich sa yo, ki mete rad byen fen, vin antre lakay yo e ajenouye yo devan pitit gason yo! Maj yo te pote kado pou Jezi – lò, lansan ak lami. Sa yo se te kado ki te rich anpil – kado yon moun ta bay yon wa. Maj sa yo pat jwif – yo te soti nan yon peyi byen lwen nan lest, men yo te adore Jezi. Yo te konprann ke Jezi te wa tout latè, pa Izrayèl sèlman. Se li ki tap pote sali pou tout nasyon latè.

Bondye te fè Maj yo fè yon rèv kote li di yo piga yo tounen nan palè Ewod. Se konsa yo tounen lakay yo nan yon lòt wout, e yo pat janm tounen al wè Ewod.

Men danje a pat fin pase. Wa Ewod te pè e li te jalou anpil paske li panse gen yon ti bebe ki fèt ki pral vin pran pouvwa anba li. Li pa tap kanpe tout tan li pa detwi ti gason sa ki te gendwa vin leve kont li yon jou. Bondye te konnen kè Ewod, e li te pale ak Jozèf nan yon rèv. Bondye te di Jozèf ke Ewod tap fè konplo pou l touye Jezi. Li di Jozèf ak Mari pou yo ale nan mawon nan peyi Lejip. Yo pat sipoze retounen tout tan Senyè a di yo mèt vini.

Se konsa, Jozèf pran madanm li ak pitit li, li kite menm jou swa sa. Bib la pa di nou, men li posib ke Jozèf te sèvi ak kado Maj yo pou l peye vwayaj la ak kay lè yo rive nan peyi Lejip.

Page 131: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

126 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

DESIDE POu M KITE BOnDYE ADOPTE MWEnSeksyon 6 Leson 5

Lè Ewod vin wè ke Maj yo pa tap tounen vin wè li, li anraje. Ki jan yo fè twonpe l konsa? Kounyeya li pa konn ki jan pou l jwenn ti bebe wa ki fèt la. Kè Ewod te sitèlman mechan ke li voye sòlda ale nan vil Bètleyèm pou yo touye tout ti bebe gason ki poko gen 2 an. Li mete nan tèt li ke si li touye tout ti gason yo, Jezi tap yonn nan yo. Jalouzi ak mechanste Ewod te koz lapenn ke moun pa t ka sipòte nan vil Bètleyèm.

Aprè lanmò Ewod, Senyè a te parèt devan Jozèf ankò e te di li ke yo mèt tounen nan peyi yo kounyeya. Jozèf te obeyi Bondye lamenm. Lè li tande ke se pitit gason Ewod ki te wa pati sid nan Izrayèl la, Jozèf te al abite nan vil Nazarèt, nan nò. Jezi te grandi lakay Mari ak Jozèf, e Jezi te viv nan obeyisans a Papa li ki nan syèl la.

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap tande ki jan Jezi ka fè yo vin tounen zanmi Bondye.

Ou fin tande istwa nesans Jezi. Se Jezi ki se sèl pitit gason Bondye a san defo. Li te leve san defo. Li pat janm fè okenn peche. Se li sèl kòm moun ki janm fè sa. Paske Bondye pafè e san defo, li pa ka zanmi ak moun ki fè peche. Nou chak nou fè peche. Pou kont nou, pa gen nan nou ki tap ka fè pati nan fanmi Bondye.

Paske Jezi pat gen okenn peche li menm, li te ka peye pou tout peche pa nou yo. Li pat fè anyen mal, men li te pran pinisyon nou tout. Li te mouri pou peche nou, epi li te leve nan lanmò! Si nou renmen e swiv Jezi, Bondye asèpte pèyman Jezi pou peche nou. Poutèt Jezi, nou ka adopte nan fanmi Bondye. Nou ka pale ak Bondye e viv pou Bondye. Nou ka zanmi avèk li. Lespri li ap vin viv nan nou. Li adopte nou tankou pitit pa li.

M ap poze ou kèk kesyon, men m pa vle ou reponn fò pou tout moun tande. Aprè chak kesyon, reflechi nan lespri ou ki jan ou ta reponn li.

• Eske ou vle pou w se pitit Bondye pou tout tan?

• Eske ou vle viv pou Bondye rès lavi ou?

Di timoun yo rete an silans e panse ak repons yo ta bay.

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ofri kado a Bondye e yo reflechi sou jan yo ka reponn a kado Bondye ofri yo pou yo sove.

Fè timoun yo sonje jan li gran ke Kreyatè lemonn vle adopte yo nan fanmi li pou tout tan. Di timoun yo ke tout moun pral soti deyò a e yo pral ramase yon bèl bagay ke Bondye, Kreyatè e Papa nou ki nan syèl la, te fè. Li ka se yon wòch, yon flè, yon bèl fèy. Yo sipoze fè sa an silans, pandan y ap reflechi. Y ap chache yon kado pou yo ofri Bondye. Bay yo

Page 132: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

127KOnSAnTRE SOu FòMASYOn SPIRITYèL

DESIDE POu M KITE BOnDYE ADOPTE MWEn Seksyon 6Leson 5

kèk minit deyò a pou yo chache sa yo vle ofri Bondye. Ou gendwa soti deyò a tou pou w siveye timoun yo pandan y ap fè sa.

Lè yo jwenn yon bagay, yo sipoze retounen nan klas la. Esplike ke nou pral fè yon lin avèk bèl bagay ke yo jwenn yo. Chak timoun sipoze vini an silans, pase devan klas la, e mete sa l jwenn nan devan. Si yo vle fè pati nan fanmi Bondye, yo sipoze di byen ba, “Papa m ki nan syèl la, mèsi paske ou renmen m. M vle fè pati nan fanmi ou pou tout tan.” Si yo pa prèt pou yo pran desizyon sa, yo ka mete kado a la, epi yo ka di byen ba, “Mèsi, Bondye, paske ou fè anpil bagay pou nou ka jwi isi sou latè.”

Fè timoun yo konprann ke desizyon sa y ap pran an se yon desizyon ki enpòtan anpil. Y ap deside si yo vle vin Kretyen k ap sèvi Bondye nèt ale kounyeya. Aktivite sa sipoze fèt ak anpil seryozite.

Yon lòt opsyon, si w vle:

Bay chak timoun yon fèy papye ak yon kreyon. Di yo pou yo reponn a yon sèl nan bagay sa yo ou pral di yo. Yo pa bezwen reponn a tout.

•Si yo gentan adopte nan fanmi Bondye, yo gendwa ekri yon priyè pou yo remèsye Bondye paske li se yon bon Papa.

•Si yo toujou ap reflechi si yo vle adopte nan fanmi Bondye, fè yo ekri nenpòt kesyon oubyen pwoblèm yo genyen nan sa.

•Si yo gentan envite Jezi sove yo pou yo ka adopte nan fanmi Bondye, mande yo ekri yon priyè pou yo mande Jezi antre nan lavi yo e retire peche ki nan yo.

Bay timoun yo kèk minit pou yo ekri. Aprè w ap ramase papye yo. Di yo si yo ta renmen pale avèk ou, oubyen priye avèk ou, yo gendwa mete non yo sou papye yo. Si yo vle sa yo ekri a rete ant yo menm ak Bondye, yo pa bezwen ekri non yo. Di yo ke w ap priye pou papye chak timoun, kit yo ekri non yo ou pa.

Fen opsyon

Konsèy pou Pwofesè: nan semènn k ap vini yo, fè sèten ke ou disponib avan e aprè klas pou timoun ki vle di ou ke yo pran desizyon pou yo swiv Kris. Revize kisa ki pase lè yon moun deside swiv Kris, e li seksyon ki rele “Mennen Timoun vin Konnen Kris” nan kòmansman liv sa. Sa ap ede ou reponn a kesyon timoun yo.Fèmen klas la e di timoun yo ki jan ou menm ou te vin aprann de Kris e ki jan li mennen lavi ou. Pa pè pou w di yo kèk bagay ki aproprye ke w ka esplike yo ke ou fè ki domaje relasyon ou ak Bondye. Di ki jan ou te mande padon, e ki jan ou fè konnen ke li padonnen ou.

Fèmen klas la e priye ke tout timoun yo ka vin renmen Papa yo ki nan syèl la. Si klas la pa twò gwo, site non chak timoun lè w ap priye.

Page 133: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

128 ATIK SIPLEMAnTè

KREYE SEKIRITE POu YOn TIMOun KI TWOMATIZE

Atik Siplemantè

Kreye Sekirite pou yon Timoun ki TwomatizeMichelle Pendzimas

Pandan ou pral kòmanse yon chapit ki pale de kouraj, li enpòtan pou w konprann kisa ki ka anpeche yon timoun gen kouraj, e kisa ou ka fè pou w fè yo santi yo an sekirite, e yo konfidan.

Timoun ki santi yo fèb, oubyen ki gentan gen anpil move bagay ki pase yo nan lavi yo, kè timoun sa yo fè yo mal. Yo sibi abi, lagè, moun abandone yo, e lòt bagay ankò. Lemonn kote timoun sa yo abite pat janm ba yo sekirite. Ki jan ou ka kreye sekirite pou yon timoun ki gentan gen tout sa rive li e ki santi li pap janm an sekirite?

Premye Etap: Konprann Ki Jan Timoun Twomatize

Timoun ki twomatize santi yo boulvèse e yo santi yo pa gen okenn pouvwa pou yo simonte pwoblèm yo. Li fasil pou timoun sa yo swa goumen ak lòt moun, kouri pou yo echape sa yo pè a, oubyen yo kanpe e yo pa ka fè anyen menm. nan moman sa, timoun nan pa ka reflechi byen. Pou timoun nan ka kalme, li dwe santi ke li an sekirite.

Dezyèm Etap: Konprann Kisa Ki Deklanche Reyaksyon Timoun nan

Si ou konnen kisa timoun nan gentan pase nan lavi li, sa ka ede ou konprann ki jan yo reyaji. Aprann kisa timoun nan fè byen, e ki pwoblèm li genyen, pou w ka rebati e ankouraje sa li fè byen.

Aprann kisa ki deklanche reyaksyon timoun nan pou l goumen, kouri, oubyen kanpe fiks. Si ou konnen kisa ki pwovoke reyaksyon sa nan timoun nan, ou ka planifye, evite li, e reponn a sa li bezwen.

Twazyèm Etap: Kreye Yon Anviwònman ki an Sekirite pou Timoun nan

Lè posib, toujou kenbe menm pwofesè nan lavi timoun nan. Timoun santi yo an sekirite lè yo rekonèt e yo abitye ak moun k ap pran swen yo. Epitou asire ke tout moun konnen ki jan pou yo aji e pran swen timoun sa. Timoun santi yo an sekirite lè yo deja konnen kisa pou yo atann yo ak granmoun k ap pran swen yo.

Lè yon bagay rive yon timoun ke li pa konprann, ke li pat atann, sa vin koz li twomatize. Timoun yo santi yo an sekirite lè yo konnen kisa pou yo atann, ki jan bagay yo pral mache.

Page 134: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

129ATIK SIPLEMAnTè

KREYE SEKIRITE POu YOn TIMOun KI TWOMATIZE

Kreye woutin ke timoun yo ka konte sou yo. Lè ou pral chanje kèk bagay k ap afekte timoun nan, bay li anpil enfòmasyon pou l ka pare li pou chanjman k ap vini an.

Avèti li lè ou pral fè chanjman. Pa egzanp, si a 10ham, ou bezwen kòmanse ranje klas la e netwaye, 5 minit avan sa, gentan di timoun yo kisa yo pral fè a 10h. Di yo kisa k ap vini aprè. Timoun ki twomatize bezwen santi yo gen yon mezi kontwòl nan sa k ap pase a. Si y ap patisipe nan yon aktivite, epi lamenm yon granmoun di yo kanpe epi fè yon lòt bagay pito, sa ka koz li reyaji mal paske li pat atann sa.

Katryèm Etap: Kreye Relasyon ki Bon pou Timoun nan

Timoun geri lè yo nan relasyon ki bon, ak moun ke yo ka mete konfyans nan yo. Rete konstan nan lavi timoun nan, pase tan avèk li souvan, e bat pou w konprann kisa l ap pase.

Pase tan ap jwe avèk li e vin konnen li. Si timoun nan reziste relasyon an, pa pouse li. Aprè yon tan, timoun nan ap wè ke relasyon avèk ou se yon bon bagay, e se lè sa relasyon an ka fleri.

Senkyèm Etap: Anpeche Moun ak Lòt Bagay Pwovoke Li

Tout etap sa yo ap ede timoun nan santi li an sekirite, men pafwa w ap bezwen kreye plis sekirite pou li. Si ou konnen kisa ki pwovoke timoun nan, si se aktivite oubyen tranzisyon, ou ka fè sa w kapab pou w evite pwovokasyon sa. Pa egzanp, si yon timoun reyaji mal lè li lè pou l antre soti deyò, pafwa ou ka al kote li byen janti e mache anndan avèk li. Reflechi sou sa k ap bon pou li e w ap wè ke fè timoun nan santi li an sekirite se yon zouti k ap ede timoun nan pou tout lavi li.

Page 135: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

130

Kouraj Soti Nan BondyeSeksyon 6 • Leson 6Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Kouraj soti nan Senyè a.

Jodia timoun yo aprann ke sa ki rele kouraj.

Jodia timoun deside ki jan yo ka demontre kouraj nan lavi yo semènn sa.

MATERYÈL KE W AP BEZWENYon lòt opsyon • Papye blan • Kreyon oubyen kreyon desen

Yon nòt pou ou Menm, Pwofesè oubyen Paran:Kouraj se lè yon moun oze obeyi Bondye menm lè li pè. Jodia se premye nan 4 leson n ap etidye sou kouraj. Kouraj se lè yon moun fè sa ki dwat menm lè li pè. Kouraj pa vle di ke nou pa janm pè.

Panse ak lavi pa ou. Fè yon lis de kisa ki fè ou pè. Kounyeya fè yon lis menm jan de kisa ou konnen ki fè timoun nan klas ou an pè. Konplete 2 lis yo epi soulinye sa ki menm jan nan lis la, epi mete yon wonn sou sa ki diferan yo.

Lis sa m Pè a: Lis sa timoun yo pè:

Koulèv, Arenye Fènwa

Echèk Echèk

_________________________ _________________________

_________________________ _________________________

_________________________ _________________________

Li enpòtan pou chak timoun aprann kisa ki ede li fòme karaktè li, sitou pou timoun ki soti nan fanmi oubyen nan sitiyasyon ki pa twò bon. Kòm ou konnen, anpil fwa, timoun sa yo pa reyisi fasil. Yo santi moun ap rejete yo oubyen yo santi yo sèl, e lòt timoun ki soti nan

Page 136: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

131KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

KOuRAJ SOTI nAn BOnDYE Seksyon 6Leson 6

bon fanmi pa ka konprann sa lòt timoun yo ap pase. Men, lè yon timoun vin konprann plis sou idantite li ak valè li nan Jezi, tout timoun ka devlope kouraj sou fason ke y ap viv.

Si yon moun bezwen kouraj devan yon gwo bagay ki fè yo pè, se nan Bondye sèlman y ap jwenn li. Yon moun ki gen kouraj se pa yon moun ki pa janm pè. Yon moun ki gen kouraj se yon moun ki konnen danje a, men ki kwè ke Bondye ka sove li.

LÈ POU LESON AN1. Prezante Kouraj

Objektif: Timoun ap aprann ke gen kouraj pa vle di yon moun pa pè, men sa vle di y ap fè sa ki dwat, menm si yo pè.

Rakonte elèv ou yo istwa sa.

Miryam te pè plis pase sa l pa konnen. Li santi pye li jele, e menm lè li te fè cho, li menm li te santi li frèt. Papa l te sou, e li tap rele nan tèt manman li, ap di l anpil betiz e di li pral touye li. Lamenm papa a pran yon chemiz, li tòde li nan kou manman Miryam.

Miryam pa t janm santi li pè konsa. Li te konnen papa l te twò fò pou l batay avèk li, men li rele “Noooooonnnnn!” byen fò. Li lage kò l nan pye papa li. Papa a lage chemiz nan kou manman an epi li tonbe ap bay Miryam kout pye. Li leve byen vit, li pete kouri soti nan kay la. Li pral chache yon moun vin ede li.

Miryam demontre anpil kouraj. An premye, li eseye fè papa l rete menm lè li konnen papa l gen plis fòs pase li. Lè papa l tap ba li kout pye, li pa rete atè ap kite l fè sa. Okontrè, li demontre kouraj, li kouri pou l al chache moun vin ede li. Li te gen anpil kouraj.

Kouraj se lè ou oze fè sa ki dwat menm lè ou pè. Kouraj pa vle di ke ou pa janm pè.

Konsey pou Pwofesè: Bay yon lè nan lavi pa ou kote ou te pè, men ou te fè sa ou te sipoze fè a. Istwa a pa oblije dramatik tankou istwa Miryam nan. Petèt ou tap pral echwe nan yon egzamen, men ou te refize kopye – yon bagay konsa. Sa te pran kouraj.

Kounyeya m pral rakonte ou yon istwa nan Bib la. Ou gendwa gentan konnen li, men pandan m ap rakonte istwa sa, panse ak ki jan Danyèl te demontre kouraj. Li te pè, men li te fè sa ki dwat kanmenm. Se sa ki rele kouraj la.

Danyèl te yon nonm ki te gen anpil kouraj. Li te sitèlman kwè nan pwoteksyon Bondye, ke nenpòt sa ki te rive li, li te sèten ke Bondye tap pran swen li. Kouraj li te mennen nan yonn nan istwa pi dramatik nan Bib la.

Page 137: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

132 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

KOuRAJ SOTI nAn BOnDYESeksyon 6 Leson 6

Danyèl te travay pou yon wa ki te rele Dariyis, ki te wa tout peyi Pès lan. Danyèl te kwè nan Bondye menm lè lòt ofisyèl yo ak wa a li menm pa t kwè nan Bondye. Danyèl te toujou travay di e te fè byen. Sa te fè wa a renmen li anpil, men lòt ofisyèl yo te jalou e yo te rayi Danyèl. Yo vin fè konplo pou yo fè wa a touye Danyèl.

Ofisyèl jalou yo te konvenk Wa Dariyis pou l fè yon lwa ki di ke tout moun sipoze priye a wa a sèlman pandan 30 jou. Nenpòt moun ki priye a nenpòt lòt dye, Wa Dariyis ap fè yo voye li nan yon tou ki plen lyon. Lyon yo te grangou anpil. Wa a te renmen ide sa, e li dakò pou l pase lwa sa. Kon lwa a te siye, pèsonn pa t ka chanje li, menm wa a li menm!

Danyèl te vin konnen de lwa a, men li te kontinye priye Bondye menm jan li te toujou fè. Ou pa panse li te pè, menm lè li te konnen li bezwen gen kouraj pou l fè sa ki dwat? Men wi, ofisyèl yo te veye Danyèl e te fè wa a konnen ke Danyèl te kase lwa a e te priye Bondye olye de wa a. Se konsa, wa a te oblije obeyi lwa ke l te fè a e fè yo lage Danyèl nan tou lyon an.

Wa a te renmen Danyèl. Li te respekte Bondye Danyèl lan. Avan li te voye l nan tou lyon an, li te di Danyèl, “M swete ke Bondye, ke ou sèvi a, va delivre ou!”

Yo mete yon gwo wòch sou tou lyon an, e li te vin fè nwa anndan tou a. Wa a te enkyèt tout lannwit lan pou Danyèl. Li te kwè ke lyon yo tap touye Danyèl.

Nan demen maten, wa a te kouri vit al tcheke Danyèl. Li rele, “Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, èske Bondye ou an delivre ou?”

Imajine jan wa a te sezi – e kontan! – lè li te tande vwa Danyèl ap reponn li, “Wi, monwa. Bondye te voye yon zanj vin fèmen bouch lyon yo, e yo pat fè m anyen.” Yo retire Danyèl nan tou a, san l pa gen yon ti mak sou li!

Revize istwa sa.

• Kisa ou panse Danyèl te pè?

• Ki jan ou panse li te demontre kouraj, menm lè li te pè?

• Kisa Danyèl te konnen de Bondye ki te ba li kouraj?

• Ki jan Bondye te onore kouraj Danyèl la?

• Di m ankò. Kisa ki rele kouraj?

Page 138: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

133KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

KOuRAJ SOTI nAn BOnDYE Seksyon 6Leson 6

2. Eksplore KourajObjektif: Timoun ap fè yon ti chan sou kouraj.

Li vèsè sa pou timoun yo:

Chonje byen lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè,

paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase. Jozye 1.9

Kounyeya mete timoun yo nan gwoup de 4 timoun chak. Di yo pou yo fè yon ti chan sou kouraj ki gen 2 lin sèlman. Yo ka fè yon nouvo melodi oubyen yo ka fè chan an ak yon melodi yo gentan konnen. Si yo vle tou, yo ka di pawòl yo e fè yo lòt moun bay yon ti bit pandan y ap pale.

Yon lòt opsyon

Bay chak gwoup yon papye ak yon kreyon. Yo ka ekri yon chan sou kouraj sou papye a epi yo ka pataje li ak rès klas la.

Fen opsyon

Esplike ke ou pral ba yo premye lin nan chan an, epi yo menm, y ap panse ak yon dezyèm lin. Montre yo ki jan sa ap fèt.

Pa egzanp, m ap di ou, “M souvan pè.” E ou gendwa vin ak yon lin ki swiv ki di “Men Bondye banm kouraj.” Oubyen m gendwa di, “M souvan pè.” Epi ou menm ou gendwa di yon bagay tankou “M pa bezwen pè.” Ann eseye.

Li chak nan ti fraz sa yo epi aprè yonn, bay gwoup yo yon ti moman pou yo panse ak yon dezyèm fraz ki pou swiv sa ou di a. Yo gendwa di pou yo leve men yo lè yo fini pou w ka konnen konbyen tan ou gen pou w ba yo. Aprè sa, fè yon lòt.

Fraz 1: M souvan pè.

Fraz 2: Bondye avèk mwen lè m pè.

Fraz 3: Bondye banm kouraj.

Page 139: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

134 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

KOuRAJ SOTI nAn BOnDYESeksyon 6 Leson 6

3. Mennen Vi w ak KourajObjektif: Timoun yo pral chante ti chan kouraj yo.

Pase de gwoup an gwoup, e kite chak gwoup rele byen fò ti chan yo fè a. Ankouraje rès klas la bat bravo pou yo aprè chak sa yo di a.

Kouraj nou soti nan Bondye. Pandan semènn sa k ap vini an, ou gendwa santi ou pè. Ou gendwa tante pou w fè yon bagay ou pa sipoze fè. Olye de sa, mande Bondye montre ou kouraj. Ou vle fè sa ki dwat, menm lè ou pè. Sonje ti chan nou fè a. Chante l lè ou leve. Chante l lè ou pè pandan jounen an. Chante l lè ou pral dòmi. Chante pou Jezi nenpòt kilè.

Femen klas la e li vèsè sa kòm yon benediksyon pou timoun yo. Si posib, li pasaj la ak non chak timoun ladan l.

Chonje byen lòd mwen te ba ou (non timoun)! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè,

paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk (non timoun nan) kote ou pase.

Jozye 1.9

Page 140: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

135

M Ka Gen KourajSeksyon 6 • Leson 7Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Kouraj soti nan Senyè a

Jodia timoun yo aprann kèk egzanp nan Bib la de jenn moun ki te gen kouraj.

Jodia timoun deside etenn sitiyasyon “gwo fou dife” ak kouraj ki soti nan Bondye.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Yon chèz

LÈ POU LESON AN1. Prezante Kouraj

Objektif: Timoun ap revize istwa 3 jennonm ki te gen kouraj pou yo obeyi Bondye.

Chwazi yon timoun pase devan e di ki jan Danyèl te gen kouraj pou l adore Bondye vivan an, menm lè li te konnen ke yo gendwa mete li nan tou lyon an. Lè timoun nan fini, mande lòt timoun yo si li pa bliye anyen, si yo pa gen anyen pou yo ajoute nan sa premye timoun nan di a.

Mande si pa gen timoun nan klas la ki ka chante ti chan nou te fè nan klas la semènn pase.

Istwa nou jodia soti nan liv Danyèl nan Bib la. M ap bezwen nou ede m jodia nan yon ti moman, koute byen pou nou ka konn sa pou nou fè.

Nebikaneza, wa gran wayòm Babilòn nan, te fè yon konstwi yon gwo estati lò. Li te fè yon gwo fèt, e li te kòmande ke tout moun mete ajenou e adore estati a.

Si yo pat obeyi, yo tap boule nan yon gwo fou byen cho. Tout moun te obeyi, sof 3 jennonm jwif. Yo te rele Shadrak, Mishak, ak Abèdnego, e yo te zanmi Danyèl.

Mete yon chèz devan klas la. Chwazi 3 timoun ki pou jwe wòl zanmi Danyèl yo. Yo sipoze kanpe devan chèz la, kwaze bra yo, e endike ke yo refize adore yon idòl.

Page 141: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

136 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

M KA GEn KOuRAJSeksyon 6 Leson 7

“Nou adore sèlman Bondye vivan an,” yo di. “Li ka sove nou nan dife cho. Men menm si li pa delivre nou, nou pap adore idòl lò sa.” Yo ensiste ke y ap onore Bondye menm si te gen konsekans danjere anpil. Yo te gen kouraj. Wa a te fache anpil ke yo te dezobeyi li. Li di sèvitè l yo pou yo fè dife a 7 fwa pi cho ke li te konn ye.

Fè tout timoun yo kanpe nan yon wonn. Se rès timoun sa yo k ap flam dife a. Yo sipoze kenbe men e fè son tankou dife k ap boule.

Sèvitè wa a yo vin pran Shadrak, Mishak ak Abèdnego e yo lage yo nan mitan dife cho a.

Chwazi 3 timoun ki pou pran 3 zanmi yo e lage yo nan dife a, nan mitan timoun yo ki se dife a. Timoun yo ki se dife a sipoze fè son tankou dife k ap brile, e 3 jennonm yo sipoze mache anndan dife a.

Men dife a pat brile yo! Wa a te wè yo tap mache anndan flam dife a. E li te wè yon lòt moun ki tap mache ansanm avèk yo tou. Wa a te konnen ke se te Bondye ki tap pwoteje yo. Li rele yo, “Shadrak! Mishak! Abèdnego! Sèvitè Bondye vivan an! Soti nan dife a! Vin jwenn mwen!” E 3 jennonm yo mache soti nan mitan flanm dife a.

Fè 3 jennonm yo soti nan mitan dife a.

Tout moun te vin kote yo e te wè ke dife a pat boule yo. Pa t menm gen yon grenn cheve nan tèt yo ki boule. Rad yo pat boule. Rad yo pat menm gen sant lafimen!

Fè tout klas la pran yon gwo souf.

Aprè sa, wa a di, “Lwanj pou Bondye Shadrak, Mishak ak Abèdnego! Li te voye zanj li vin delivre sèvitè li yo ki te mete konfyans nan li. Yo te dezobeyi lòd wa a e te prèt pou yo mouri avan yo sèvi okenn lòt dye ke Bondye yo a.”

Mete elèv yo nan gwoup 3 oubyen 4 timoun, e fè yo pale sou kesyon sa yo:

• Ki pati nan istwa sa a ki fè ou pi pè? Poukisa?

• Esplike yon lè ou te oblije gen kouraj e ou te oblije di ‘non’ a yon bagay ki pat dwat.

• Poukisa li difisil pou w fè sa ou konnen ki dwat, menm lè ou pa sèten ke tout bagay ap tonbe byen?

2. Eksplore KourajObjektif: Timoun ap jwe yon jwèt ki ilistre kouraj.

Nou pral jwe yon jwèt kounyeya ki pou ilistre ki jan nou ka gen kouraj e fè sa ki dwat, menm lè li danjere oubyen menm lè nou pè. Chache yon lòt timoun ki pou jwe avèk ou. Kenbe men avèk zanmi sa e pwomèt ke wa p rete bò kote li e pwoteje li menm si li danjere.

Page 142: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

137KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

M KA GEn KOuRAJ Seksyon 6Leson 7

Mete tout timoun yo nan pè – 2 timoun ansanm. Etabli e di klas la ki kote jwèt la ka jwe. Si ou deyò a oubyen si sal klas la gwo, jwèt la ap pi bèl. Chwazi 2 timoun ansanm ki pou jwe wòl fou cho a. Pè timoun ki se ‘fou cho a’ sipoze bat pou yo kenbe yon lòt pè timoun. Lè yon kenbe yon lòt pè timoun, kounyeya yo vin tounen dife tou e yo sipoze kouri dèyè lòt pè elèv yo pou yo bat pou yo kenbe yon lòt pè timoun. Lè 2 timoun ki se ‘fou cho a’ ap kouri dèyè lòt timoun, yo sipoze kenbe yon pè timoun – 2 timoun ansanm. Chak timoun sipoze bat pou yo anpeche li menm ak zanmi li avèk lan kenbe.

Lè premye 2 timoun yo ki se fou a kenbe yon dezyèm pè timoun, kounyeya se yo 4 ki se dife a. Se yo 4 kounyeya k ap kouri dèyè rès timoun yo nan klas la. Chak fwa yo kenbe yon pè timoun, yo vin fè pati nan dife a. Se konsa dife a vin pi gwo. Se pou timoun ki pa nan dife a pwoteje e anpeche yo kenbe li menm ak zanmi li avè l lan. Dènyè pè timoun ki poko fè pati nan dife a, sa yo pa ka kenbe a, se yo ki genyen jwèt la.

Rele timoun yo tounen e pale sou kesyon sa yo nan gwoup lan:

• Ki jan ou te santi ou lè yo tap kouri dèyè ou pou fè w tounen dife?

• Di nou kisa ou te fè pou w pwoteje moun ou te kole avè l lan.

Sa te yon bèl jwèt, men pi fò de tan, lè yon bagay danjere vre, li pa amizan konsa.

Esplike timoun yo yon lè ke ou menm ou te gen kouraj pou w fè sa ki dwat, menm si ou te pè.

Konsèy pou Pwofesè: Lè ou rakonte istwa de tèt pa ou, ajoute detay ki ka ede timoun yo konprann sa k te pase pi byen. Esplike yo jan ou te santi w pandan moman istwa a, ki laj ou te genyen lè sa te rive ou, etc. Soulinye tou ki jan Bondye te fè pati nan istwa ou an.

3. Mennen Vi w ak KourajObjektif: Timoun ap aprann plis sou gen kouraj pou yo fè sa ki dwat menm lè yo pè.

Shadrak, Mishak ak Abèdnego te gen kouraj pou yo fè sa ki dwat. Yo pat sèten ke Bondye tap fè yon mirak pou yo. Men yo te prèt pou yo sèvi Bondye menm si yo te mouri nan dife. Sa se vrè kouraj! Lè ou nan yon “fou cho,” sonje ke Bondye avèk ou, e l ap ba ou kouraj pou w fè sa ki dwat.

M ap ba ou kèk egzanp. M ap rakonte ou kèk sitiyasyon, epi w ap di m ki jan moun nan nan istwa a ta sipoze demontre kouraj e kisa ki tap pase si l te fè sa vre. Gendwa gen plis ke yon sèl bon repons; sa vle di plizyè timoun ka reponn, si yo vle.

Sitiyasyon 1 Jozye te fò anpil nan foutbòl, men li pat bon menm nan matematik. Te gen yon règ nan lekòl li an ke ou pa gendwa jwe foutbòl pou lekòl la si ou pa fè bon nòt nan klas

Page 143: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

138 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

M KA GEn KOuRAJSeksyon 6 Leson 7

ou yo. Jozye te pi renmen jwe boul ke tout lòt bagay nèt. Jou a rive pou l pran gwo egzamen matematik li e li gade tout pwoblèm yo nan egzamen an ak tristès. Li pat konn jan pou l travay pwoblèm yo. Se lè sa, li leve je li, li remake ke l ka wè repons yonn nan lòt timoun yo nan klas la.

• Ki jan Jozye sipoze demontre kouraj?

• Kisa ki gendwa pase si l demontre kouraj?

Sitiyasyon 2 Estè gen 12 an. Lè l te gen 9 an, li te gen yon tonton li ki te abize li. Tonton an te di Estè ke si l janm di okenn moun sa, l ap bat ni Estè, ni manman Estè. Se konsa, Estè pa t janm di okenn moun sa. Kounyeya Estè remake ke tonton li vin enterese anpil nan ti sè Estè a ki gen 8 an. Li pè pou menm bagay la pa rive ti sè li.

• Ki jan Estè sipoze demontre kouraj?

• Kisa ki gendwa pase si l demontre kouraj?

Sitiyasyon 3 Anpil ane pase, grann ak granpapa Esdras te al nan mawon, yo te al kache anndan legliz yo a. Yo te pè pou kèk moun pa touye yo, e yo te panse yo tap an sekirite anndan legliz la. Men lèdmi granparan Esdras yo te mete dife nan legliz la, e granparan Esdras yo te mouri. Esdras konnen ke li sipoze padonnen moun ki te mete dife yo, men Esdras pa ankò padonnen yo. Li rayi moun ki te touye fanmi li yo. Li tande yon leson kote y ap pale de padonnen moun, e li konprann ke li sipoze kòmanse fè sa. Tout rayisans ki anndan kè li pa bon ni pou li, ni pou relasyon li ak Bondye.

• Ki jan Esdras sipoze demontre kouraj?

• Kisa ki gendwa pase si l demontre kouraj?

Fèmen klas la e mande pou kèk nan timoun yo priye, e mande Bondye ba yo kouraj lè yo nan sitiyasyon ki difisil.

Page 144: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

139

Kouraj Pou m Obeyi Lè m PèSeksyon 6 • Leson 8Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Kouraj se lè nou oze obeyi Bondye menm lè m pè.

Jodia timoun yo aprann ke pafwa kouraj ak danje mache men nan men.

Jodia timoun deside mande Bondye ba yo kouraj pou yo fè l plezi, menm lè yo nan danje.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Yon mouchwa pou w mare je timoun yo • Kèk obje pou w fè yon pakou, objè ki ka bloke timoun: yon chèz, tab, yon bòl dlo, etc. (Wè Pati 2)

LÈ POU LESON AN1. Prezante Kouraj

Objektif: Timoun ap tande ke menm lè yo gen kouraj, sa pa p toujou pwoteje yo.

Fè timoun yo konnen ke ou pral pale sou kouraj ankò jodia. Chwazi yonn nan timoun yo rakonte istwa Danyèl la, sa yo te voye nan tou lyon an paske li te gen kouraj pou l priye Bondye. Chwazi yon lòt timoun ki pou rakonte istwa 3 jennonm yo ke yo te voye nan dife a paske yo te gen kouraj refize adore estati wa a. Fè lòt timoun yo bay detay ke yo bliye.

Gade timoun ki chita bò kote ou e reponn 2 kesyon sa yo:

• Nan 2 istwa sa yo, bay kèk bagay ki diferan.

• Nan 2 istwa sa yo, bay kèk bagay ki parèy.

Gen yon bagay ki sanble nan istwa sa yo, se ke nan toulède te gen bon jan danje. Nan toulède, Bondye te delivre moun yo. Nou menm, nou gendwa pa fè fas a lyon,

Page 145: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

140 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

KOuRAJ POu M OBEYI Lè M PèSeksyon 6 Leson 8

men nou gen lòt danje ki devan nou – nou gendwa pèdi yon moun nan fanmi nou, nou gendwa gen grangou oubyen pwoblèm sante, oubyen menm yon moun k ap chache fè nou mal. Jodia n ap aprann sou jan pou nou gen kouraj anfas vrè danje.

Pafwa Bondye mande nou fè yon bagay pou li ki danjere. Eske w ap gen kouraj pou w fè yon bagay danjere si li mande ou? Sonje, gen kouraj pa vle di ke yon moun pa pè, men kouraj se lè ou kwè ke Bondye ka ede ou fè sa ki dwat. E sonje tou ke ou pa sipoze bat pou w gen kouraj pou tèt pa ou. Se Sentespri a k ap ba ou kouraj lè ou bezwen li e ou mande li.

Konsèy pou Pwofesè: Si gen timoun nan klas la ki pa konn kisa “misyonè” vle di, esplike yo ke yon misyonè se yon moun Bondye voye al bay moun Levanjil. Bondye rele nou tout pou nou bay moun bòn nouvèl rezireksyon li e amou ke li ofri (Matye 28.18–20).Lontan, nan ane 1955, te gen kèk jenn misyonè gason ki te nan yon peyi ki rele Ekatè nan Amerik di Sid. Yo te travay ak kèk gwoup endyen andeyò peyi sa. Jennonm sa yo te konvenk ke Bondye te vle yo bay gwoup moun Warani yo levanjil sou Jezi. Men moun Warani sa yo pat ankò janm wè moun ki soti nan yon lòt peyi. Yo te yon pèp ki te mechan anpil. Tout lòt vwazen moun Warani yo yo te pè.

Jennonm misyonè yo te kòmanse planifye ki jan yo tap ka fè zanmi ak moun Warani yo, san danje. Yo te konnen ke yo tap oblije fè zanmi ak moun Warani yo, pou moun Warani yo fè yo konfyans avan yo ta ka bay yo levanjil. Misyonè yo te kòmanse fè zanmi ak moun yo, yo te pase anlè kote Warani yo te abite ak yon avyon, e yo lage enpe kado atè a. Yo te gen yon gwo mikwo, e yo te salye yo nan mikwo a depi anndan avyon an. Pandan 3 mwa, yo te kontinye abòde Warani yo. Yo te priye ke Bondye ta ede yo fè travay difisil sa. Anfen, misyonè yo te vin deside ke lè a rive pou yo mete avyon an atè nan peyi Warani yo e abòde yo fas a fas.

Misyonè yo te deside pote zam, paske yo te tande ke moun Warani yo pa tap fè yo anyen si yo te wè zam yo. Men jennonm yo te dakò ant yo menm ke yo pa tap tire zam yo, menm pou yo sove pwòp lavi pa yo. Yo te kwè ke Bondye te ka sove yo si li te vle.

Malerezman, moun Warani yo pat konprann entansyon misyonè yo. Warani yo te panse ke misyonè yo te vin touye yo. Se konsa, Warani yo atake e yo touye tout mesye yo nèt.

Kretyen te an dèy pou jenn misyonè sa yo. Kèk semenn aprè atak la, plis ke 1,000 Kretyen te ofri ale nan peyi Ekatè yo menm pou yo pale moun Warani sa yo de Jezi. Aprè bon ti tan, Warani yo te vin kwè ke etranje yo pat vini pou yo fè okenn mal. Yo te vin konprann ke etranje yo te vini pou yo pale yo de Jezi. Warani yo te pèmèt lòt misyonè antre nan vilaj yo. Yo te vin asèpte Jezi kòm Sovè e Bondye yo. Jenn misyonè yo te mouri, men aprè lanmò yo, te gen anpil moun pami Warani yo ki te vin Kretyen. Jennonm sa yo te gen anpil kouraj, menm lè yo te fè fas a gwo danje.

Page 146: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

141KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

KOuRAJ POu M OBEYI Lè M Pè Seksyon 6Leson 8

Vire a timoun ki chita bò kote ou, e pale sou kesyon sa yo avèk li:

• Nan istwa sa ou sot tande a, ak 2 istwa Bib yo nou tap pale avan an, ki bagay ki sanble nan istwa yo?

• Nan istwa sa ou sot tande a, ak 2 istwa Bib yo nou tap pale avan an, ki bagay ki diferan nan istwa yo?

• Poukisa ou panse Bondye te sove Danyèl ak zanmi li yo, men li pat sove jenn misyonè yo?

Sa se yon kesyon ki difisil e ke menm granmoun pa ka reponn. Bondye wè tout bagay ki pral rive – kòmansman, mitan ak lafen. Pafwa li pèmèt bagay rive paske yo fè pati nan plan li. Pafwa li pa anpeche moun mechan fè move bagay, men Bondye sèvi ak move zak la pou l fè tounen yon bon bagay. Nou pa ka toujou reponn a kesyon ki difisil, paske nou pa Bondye.

• Kisa ki te touche ou jodia nan istwa misyonè yo?

Bondye rele nou pou nou gen kouraj pou nou obeyi li menm lè gen danje ladan l. Pafwa l ap sove nou jan l te fè Danyèl, e pafwa kèk mal gendwa rive nou. Bondye te konnen ke moun Warani yo te bezwen tande de li e tande de amou Jezi. Se konsa, li rele 5 jenn misyonè ale kote yo. Li te danjere, e yo te pè, men yo te obeyi Bondye kanmenm. Yo te konnen ke Bondye tap ba yo kouraj pou yo swiv li menm si te gen danje.

2. Eksplore KourajObjektif: Timoun patisipe nan yon aktivite kote y ap demontre kouraj.

voye yon timoun soti nan klas la. Pandan li pati, mete yon pakou ak kèk obstak – mete kèk chèz, yo tap pou l pase anba li, yon kaswòl oubyen asyèt plen dlo, ak kèk lòt bagay ankò. Chwazi yonn nan timoun yo ki pou sèvi kòm gid. Mare je premye timoun nan deyò klas la, epi fè l antre sal la ankò.

Esplike sa ki gen je mare a ke yon lòt timoun pral di li kisa pou l fè, e li sipoze wè a ki vitès li ka fini pakou a. Pandan timoun je mare a ap pase nan pakou a ak tout obstak yo, nou ka ba li kèk direksyon, nou ka di, pa egzanp, “Atansyon! Gen yon gwo falèz devan ou!” oubyen ou ka di yon bagay tankou, “Koupi atè a pou w pa frape tèt ou nan wòch!” oswa, “Atansyon koulèv!” Lè li fini e li evite tout sa ou mete pou li yo, demare je li, epi poze l kèk kesyon:

• Eske sa ou sot fè a te mande anpil kouraj pou w swiv direksyon zanmi ou te ba ou?

• Eske ou te janm pè?

• Ki jan pakou sa te tankou lavi yon moun vre?

Anpil fwa, nou pa konnen kote Bondye ap mennen nou, ni sa ki pral rive nou.

• Eske ou panse jenn misyonè yo tap toujou al bay Warani yo levanjil menm si yo te gentan konnen yo tap mouri?

Page 147: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

142 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

KOuRAJ POu M OBEYI Lè M PèSeksyon 6 Leson 8

• E si yo te konnen ke se te nan lanmò yo ke Warani yo tap vin renmen Bondye? Esplike repons ou.

3. Mennen Vi w ak KourajObjektif: Timoun ap pale de sitiyasyon e ki jan yo ka gen kouraj e ki rezilta ki gendwa genyen.

Li ti istwa e ilistrasyon sa yo pou timoun yo. Aprè chak ilistrasyon, mande yo kisa yon timoun sipoze fè pou l gen kouraj, e ki rezilta ki gendwa genyen si l fè sa.

Sitiyasyon 1 Jak gen 9 an, e yo mande li pran swen ti frè li. Yo te deyò a lè Jak te wè yon koulèv. Li te konnen ke koulèv la gen pwazon. Li pa vle wè koulèv. Men ti frè li pa wè danje a.

Kisa Jak sipoze fè pou l demontre kouraj?

• Ki rezilta ki gendwa genyen pou poutèt kouraj li?

Sitiyasyon 2 Manman Mari gen SIDA, e li fache anpil anpil poutèt li malad la. Li malad anpil e li konnen ke li pral mouri. Mari ap mache legliz bò lakay yo, e li asèpte Bondye vivan an. Li konnen ke manman li pa konnen verite Bondye a. Li vle pale sa ak manman li, men chak fwa Mari vle bay manman l levanjil, manman l toujou pran chante, li pran pòz li pa ka tande Mari.

• Kisa Mari sipoze fè pou l demontre kouraj?

• Ki rezilta ki gendwa genyen pou poutèt kouraj li?

Sitiyasyon 3 Matye renmen lekòl e li prèske toujou fè mwayenn. Men li gen pwoblèm pou l ekri Anglè. Li pa fè bon nòt ladan l e zanmi l fawouche l poutèt sa. Li jwenn yon papye ki sot tonbe nan biwo pwofesè li a. Se yon kopi egzamen ke pwofesè a pral ba yo. Sèl sa pou Matye fè se chache repons yo, aprann yo pa kè, epi l ap fè yon bon nòt nan egzamen an.

• Kisa Matye sipoze fè pou l demontre kouraj?

• Ki rezilta ki gendwa genyen poutèt kouraj li?

Avèk yon zanmi, panse ak kèk sitiyasyon ki gendwa prezante devan ou nan semènn k ap vini yo. Pale avèk zanmi ou lan sou sitiyasyon sa yo. Eseye reponn a kesyon sa yo: 1) Ki jan m ka demontre kouraj? epi 2) Ki rezilta ki gendwa genyen si m demontre kouraj?

Lè timoun yo fini, fè yo chak priye ak zanmi yo avè l lan. Yo sipoze priye ke Bondye ka ba yo kouraj pou yo fè sa ki dwat, nenpòt ki sitiyasyon ki gendwa rive.

Page 148: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

143

Kouraj Pou m Pare Lavni MwenSeksyon 6 • Leson 9Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: M ka gen kouraj pou m pare sa Bondye vle pou lavni mwen.

Jodia timoun yo aprann ke preparasyon pou lavni yo pran kouraj.

Jodia timoun deside gade devan a lavni yo ak kouraj.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Papye • Kreyon deson

LÈ POU LESON AN1. Prezante Kouraj

Objektif: Timoun ap tande yon istwa de ki jan yon moun gen kouraj pou lavni li.

Yon lòt opsyon, si w gen tan:

Li leson sa davans, e deside si w gen yon ti tan pou w revize. Si ou panse revizyon an ap pran twòp tan, pa fè revizyon ki anba a e kontinye ak leson an.

Chwazi yonn nan timoun yo pase devan e rakonte istwa misyonè ki te ale kote Warani yo ke yo te tande semènn pase. Lè timoun nan fini mande lòt timoun yo si premye a pa bliye okenn detay.

• Ki jan misyonè yo te demontre kouraj?

• Paske yo te gen konfyans nan Bondye, sa te ede misyonè yo fè fas a yon moman ki te fè yo pè anpil. Ki jan ou panse lafwa moun sa yo ap ede moun Warani yo?

Fen opsyon

Page 149: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

144 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

KOuRAJ POu M PARE LAvnI MWEnSeksyon 6 Leson 9

Jodia m vle rakonte ou yon istwa de yon ti pyebwa ki te gen kouraj pou l devni sa Bondye te vle. Istwa sa pa nan Bib la. Se pa yon istwa ki te rive vre. Nan istwa sa, gen pyebwa k ap pale, men nou konnen pyebwa pa pale tout bon vre. Men se yon bèl ti istwa ki rakonte nou jan nou ka gen kouraj pou n prepare epi tann sa Bondye vle fè nan lavi nou.

Sou yon mònn byen lontan, te gen 3 ti pyebwa. 3 ti pyebwa sa yo te kanpe e yo tap reve sa yo te ye lè yo gran. Premye pyebwa a gade etwal yo, li di konsa, “M vle kenbe yon trezò. M vle pou yo kouvri m ak lò ak pyè presye. M vle se mwen ki pi bèl bwat trezo ki janm genyen.”

Dezyèm pyebwa a gade yon ti rivyè ki tap desann nan lanmè. Li di konsa, “M vle vwayaje sou lanmè, e m vle pote gran wa. Se mwen k ap pi gwo bato ki janm konstwi!”

Twazyèm ti pyebwa a gade anba nan vale kote moun tap travay anpil nan yon ti vil, epi li di konsa, “M pa vle kite mònn nan. M vle grandi byen wo pou lè moun gade m, y ap leve je yo nan syèl la, e y ap gade Bondye. M vle montre moun Bondye.”

Anpil ane te pase. Lapli tonbe, solèy klere, epi ti pyebwa yo grandi byen wo. Yon jou, 3 nonm vini sou mònn nan pou yo koupe pyebwa. Premye a gade premye pyebwa a, epi li di, “Pyebwa sa bèl. Li bon pou sa m bezwen an.” Avèk gwo kout hach li, li koupe premye pyebwa a.

Premye pyebwa a di nan kè li, “Kounyeya yo pral fè m tounen yon bwat ki pou kenbe trezò!”

Dezyèm nonm nan gade dezyèm pyebwa a, epi li di, “Pyebwa sa a fò. Li bon pou mwen.” Avèk gwo kout hach li, li koupe dezyèm pyebwa a.

Dezyèm pyebwa a di nan kè li, “Kounyeya yo pral fè m tounen yon gwo batiman, m ap pran lanmè, m ap pote gwo wa!”

Twazyèm pyebwa a te tris lè li wè twazyèm nonm nan tap gade li. Li te kanpe dwat, e li tap bat pou l fè nonm nan gade nan syèl la. Men mesye a pa menm gade. “Ah, m ap pran nenpòt ki pyebwa.” Avèk gwo kout hach li, li koupe twazyèm pyebwa a.

Premye pyebwa a rejwi lè yo vin antre kay chapant la avèk li. Men chapant la koupe pyebwa a, li fè l tounen yon bwat pou mete manje bèt. Pyebwa a pat kouvri ak ni lò, ni dyaman. Li te kouvri ak pousyè, e yo te mete gren ladan l pou bèt manje. Pyebwa a te tris. Men Bondye te di premye pyebwa a, “Pran kouraj. Tann mwen, e m ap montre ou yon bagay.”

Dezyèm pyebwa a te souri lè yo te mennen li nan chantye kote yo fè batiman. Men pa t gen gwo batiman ki tap konstwi jou sa. Okontrè, yo koupe pyebwa a, yo fè l tounen yon ti kannòt pou moun sènnen pwason. Li te twò piti, e twò fèb pou l soti nan fon lanmè. Yo mennen l nan yon ti lak. Pyebwa a te tris. Men Bondye te di dezyèm pyebwa a, “Pran kouraj. Tann mwen, e m ap montre ou yon bagay.”

Page 150: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

145KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

KOuRAJ POu M PARE LAvnI MWEn Seksyon 6Leson 9

Twazyèm pyebwa a te konfonn lè yo koupe l nan gwo planch epi yo kite l deyò. Pyebwa a menm panse, “Sak pase la? Sèl sa m te janm vle fè se rete sou mònn nan pou m ap montre moun Bondye.” Pyebwa a te tris. Men Bondye te di twazyèm pyebwa a, “Pran kouraj. Tann mwen, e m ap montre ou yon bagay.”

Anpil jou, anpil nwit pase. Twa pyebwa yo prèske bliye sa yo te reve byen lontan. Men yon jou, limyè etwal te tonbe sou yon jenn fi ki te mete ti bebe li kouche nan yon bwat manje bèt. Papa pitit la di konsa, “M tap byen renmen fè yon bèso pou bebe a, wi.” Manman an pran men papa ti bebe a, e li souri pandan limyè etwal la tap tonbe sou bwa bwat la. “Ti krech sa bèl anpil.” Epi lamenm, premye pyebwa a vin konnen ke li te kenbe pi gwo trezò ki janm genyen nan lemonn – ti bebe Jezi.

Yon jou swa, te gen yon vwayajè ki te fatige ansanm ak zanmi li ki tout antre nan yon ti kannòt. Dòmi pran nonm fatige a anndan dezyèm ti pyebwa ki te kannòt la soti sou dlo a. Aprè yon ti tan, yon gwo tanpèt vin leve sou dlo a. Ti kannòt la tranble. Li te konnen li pat gen fòs ase pou l pote tout moun sa yo anba tout van ak tanpèt sa. Nonm fatige a vin reveye. Li kanpe, li lonje men li, e li di, “Lapè!” Lamenm, tanpèt la kanpe. Epitou, dezyèm pyebwa a te konnen ke li tap pote Wa syèl la ak latè.

Yon jou vandredi, twazyèm pyebwa a te sezi lè li santi yo rale li soti nan pil planch kote yo te kite li. Pandan yo pote li nan mitan yon foul moun ki te fache anpil, li tranble. Li tranble ankò lè li santi sòlda klouwe men yon moun sou li. Sa fè li santi li lèd e mechan. Men li te vin wè ke se te men Jezi. Lanmò li tap montre tout moun sou latè Bondye vivan an. Twazyèm pyebwa a vin konprann ke lamou Jezi te chanje tout bagay nèt. Paske li te mouri, moun te ka vin zanmi ak Bondye ankò. Twazyèm pyebwa a di, “Nenpòt lè yon moun panse a Jezi ki te klouwe sou mwen, y ap panse ak Bondye. O, wi! Sa pi bon ke rete byen wo sou tèt yon mònn!”

Bay timoun yo 1 ou 2 minit pou yo reflechi sou istwa a avan ou kontinye.

Pwochenn fwa ou santi ou tris oubyen ou deprime paske ou pa konnen kisa Bondye ap fè ak lavi ou, pran kouraj. Bondye ap panse ak yon bèl bagay pou l fè ak lavi ou.

2. Eksplore KourajObjektif: Timoun ap jwe yon jwèt ki ede yo konprann ke li pran kouraj pou yo obeyi direksyon Bondye pou lavi yo.

Di chak timoun nan zòrèy yonn nan djòb sa yo (oubyen ekri yo sou ti kat epi bay chak timoun yonn). Djòb la sipoze yon djòb ke yo ka genyen vre lè yo granmoun. Men kèk ide. Ou mèt ajoute lòt ki ale avèk kote ou abite. Selon konbyen timoun ki nan klas la, ou gendwa ajoute plis pou chak timoun ka gen yonn.

Chofè Taxi Mèt jaden Doktè

Enfimyè Bònn Pwofesè lekòl

Page 151: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

146 KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

KOuRAJ POu M PARE LAvnI MWEnSeksyon 6 Leson 9

Syantis Chèf kwizin Chofè bis

Teknisyen enfòmatik Mèt magazen Chapant

Sekretè Bankye Pastè

Pechè pwason Machann Chany

Timoun yo sipoze devine ki djòb lòt timoun yo genyen. Yo tout sipoze mache nan klas la epi poze yonn lòt kesyon ke yon moun ka reponn ‘wi’ oubyen ‘non’ sèlman. Pa egzanp, yo ka di, “Eske yon moun sipoze gen anpil fòs pou yo fè djòb ou?” “Eske yon moun bezwen konn matematik pou yo fè djòb ou?” “Eske yon moun sipoze rete an vil pou l fè djòb ou?” Lè yon moun devine djòb yon lòt timoun byen, li jwenn yon pwen. Timoun yo ap kontwole pwen pa yo. nan fen jwèt la, timoun ki gen plis pwen an ap genyen.

Aprè, diskite kesyon sa yo ak timoun yo:

• Eske djòb mwen te ba ou a te yon djòb ou ta renmen fè lè ou granmoun vre? Poukisa?

• Si Bondye te mande ou fè djòb sa, eske li tap pran kouraj pou w fè li? Eskplike poukisa wi oubyen non.

• Ki jan ou fè konnen ki djòb ou vle fè lè ou gran?

• Nan ki fason w ap prepare ou pou djòb ou vle fè lè ou granmoun?

Anpil fwa li pran kouraj pou nou tann djòb ke Bondye vle nou fè a. Anpil nan nou ta renmen grandi demen e kòmanse fè anpil gran bagay. Men menm jan pyebwa yo te pran anpil ane pou yo grandi, se konsa tou ane sa yo nan lavi ou se ane ke Bondye ap pare ou pou sa li vle ou fè. Pran kouraj pou w etidye anpil menm si ou ta pito jwe. Pran kouraj pou w di non lè zanmi w ap ankouraje ou fè sa ki pa bon, ki gendwa fè ou mal. Pran kouraj pou w kontinye bati relasyon ou ak Bondye, menm si moun vle di ou ke sa pa bon.

Ou pa bezwen doute. Si ou dakò, e si ou pare, Bondye ap sèvi avèk ou nan nenpòt ki djòb ou genyen lè ou gran.

2. Mennen Vi w ak KourajObjektif: Timoun ap reflechi sou ki djòb yo vle, e ki jan yo ka pare pou sa.

Separe klas la nan gwoup de 4 ou 5 timoun chak. Poze kesyon sa yo, epi ankouraje timoun yo pale nan gwoup yo e diskite repons yo.

• Ki djòb ou panse ou ta renmen genyen lè ou gran? Poukisa?

• Ki enterè oubyen don ou genyen ki fè w panse ke ou ta ka fè djòb sa byen?

• Lè moun ap pale de yon granmoun epi yo di, “Li travay di!”, kisa yo vle di?

Page 152: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

147KOnSAnTRE SOu FòMASYOn KARAKTè

KOuRAJ POu M PARE LAvnI MWEn Seksyon 6Leson 9

• Eske ou konnen okenn granmoun ki renmen travay ke yo fè a? Pale gwoup ou de yo, e di poukisa yo renmen djòb la.

• Ki jan de edikasyon ou tap bezwen pou w fè djòb ou vle fè a?

• Eske ou panse li pran kouraj pou w jwenn yon bon edikasyon? Poukisa?

• Gen moun ki panse ke se sèl pastè ki sèvi Bondye nan djòb yo. Sa se pa vre. Tout moun ka sèvi Bondye nan travay y ap fè a. Ki jan ou menm ou gen ide sèvi Bondye nan travay w ap fè lè ou granmoun?

Yon lòt opsyon:

Bay timoun yo fèy papye. Fè yo ekri anlè paj la kisa yo vle fè lè yo gran. “Lè m gran, m ta renmen….” Anba paj la, yo sipoze ekri, “M vle Bondye banm kouraj pou m fè nenpòt sa li vle lè m gran.”

Epi nan mitan papye a, fè timoun yo desinen ki travay yo ta renmen fè lè yo garndi. Esplike ke Bondye renmen sèvi ak talan e don ke nou genyen nan sa l ban nou fè. Si yo travay di, li posib ke yo ka rive fè sa yo ekri nan papye a.

Lè yo fini, fè yo li fraz yo ekri anlè paj la, esplike sa yo desinen an, epi li fraz ki anba paj la.

Fen opsyon

Fèmen klas la ak lapriyè, mande Bondye bay timoun yo kouraj pou yo pare pou sa Bondye ta vle yo fè nan lavni yo, e ba yo kouraj pou yo pa fè anyen ki ta anpeche yo acheve sa Bondye vle yo akonpli.

Page 153: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

148 ATIK SIPLEMAnTè

SOuTnI TIMOun KI TE ABIZE SEKSYèLMAn

Atik Siplemantè

Soutni Timoun ki te Abize SeksyèlmanCary Sturgeon

Ou gendwa oblije travay ak timoun ki te soufri abi seksyèl. Pou kòmanse, kreye yon anviwònman ki an sekirite pou timoun nan – an sekirite fizikman e emosyonèlman. Timoun bezwen santi yo alèz pou yo pale e di kisa yo panse e santi de sa ki te pase yo, e rakonte istwa sou jan yo te abize.

Koute byen sa l ap di a. Pa jije timoun nan pou sa ki te pase li. Pa reyaji e demontre ke ou sezi oubyen ou mal-alèz lè li rakonte ou yon bagay. Fè timoun nan konnen ke w ap asèpte nenpòt sa li di, menm si li fache.

Tout Timoun Pa Reyaji Menm Jan

Konprann byen ke anpil fwa timoun ki sibi abi gen renmen ak afeksyon nan kè yo pou moun ki te abize yo a. Yo gendwa vle rete ak moun ki te abize yo. Gen timoun ki pa konprann ke se abize yo te abize. Yo te gendwa renmen sa yo te santi fizikman oubyen atansyon moun nan te ba yo, oubyen lajan ak libète yo te genyen nan sitiyasyon abi an.

Pou lòt timoun tou, se abi sèlman yo konnen. Yo pa kwè ke yo merite yon pi bon vi ke sa. Yo santi yo alèz nan vi yo te genyen an, menm si li pa bon pou yo.

Lè Timoun Rakonte Sa Ki Te Pase Yo

Pa mete presyon sou timoun yo pou yo pale de ki jan moun te abize yo si yo pa prè. Pèmèt yo pran desizyon ki piti, menm sou kisa yo vle di ou, e sa ka ede yo mete plis konfyans nan ou e ba yo plis endepandans aprè yo te sou kontwòl moun ki tap abize yo. Gen timoun ki gendwa rakonte ou pati nan sa yo te sibi, e y ap swiv pou yo wè jan ou reyaji. Reyaksyon ou ap ede timoun nan konnen si l ka rakonte ou rès istwa li.

Lè timoun ki abize rakonte sa ki te pase yo, li enpòtan pou yo santi yo nòmal e ke ou konprann yo. Yo bezwen konnen ke yo pa pou kont yo. Fè yo konnen ke sa ki te pase yo terib, e ke yo pat sipoze sibi sa yo te sibi. Asire yo ke sa yo santi a nòmal, e ke gen lòt timoun ki abize ki santi yo menm jan.

Fè yo konnen ke ou konprann oubyen ou ka imajine jan yo santi yo, kèlkeswa santiman ke yo eksprime. Men, pa di yo ke ou konnen ni ke ou konprann sa yo menm yo te sibi. Si w di ou konprann egzakteman sa yo te pase, yo gendwa santi ou pa konprann yo menm.

Page 154: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

149ATIK SIPLEMAnTè

SOuTnI TIMOun KI TE ABIZE SEKSYèLMAn

Konsantre sou Timoun nan

Konsantre sou timoun nan e non pa sou moun ki te abize yo a. Li pa bon pou w menase ni demontre kòlè kont moun ki te abize, ni mete presyon sou timoun nan pou l padonnen sa ki te abize li a. Si w konsantre sou moun ki te komèt abi an, timoun nan li menm gendwa santi li pa enpòtan, oubyen pa gen moun ki ka pran swen li, oubyen ke moun pa konprann li. Konsantre sou timoun nan e sou valè li. Sa ka ede yo geri nan lapenn sa y ap pote a.

Felisite timoun nan pou kouraj yo lè yo pale sou abi ke yo te sibi. Li ka difisil anpil e li ka ba yo anpil lapenn pou yo rakonte sa ki te pase yo. Di yo ke sa ki te pase yo se pa fot yo, e pa gen moun k ap pini yo pou sa. Li enpòtan pou w ba yo mesaj sa souvan. Fè yo konnen ke pale sou jan moun te abize yo ka ede yo geri. Ba yo espwa pou lavni. Timoun sa yo bezwen anpil ankourajman pou yo ka santi yo gen konfyans nan tèt pa yo e pou yo ka gen objektif nan vi yo ki pozitif e ki dwat. Fè yo konnen ke ou vle soutni yo e kenbe yo an sekirite.

NOTE BYEN: Sitiyasyon nan tout pati lemonn diferan, e ou dwe mete w okouran de sa ki legal kote ou abite, e kisa ki ap mete timoun nan an sekirite. Si timoun nan ap toujou an sekirite, e si li apropriye, fè timoun nan konnen ke w ap mete otorite okouran de abi ke li te sibi.

Mete Limit

Lè ou mete bon limit, timoun santi yo an sekirite. Gen timoun ki te abize ki aji nan fason seksyèl ki pa apropriye. nan abi yo, yo aprann santi ke moun ap asèpte yo oubyen ba yo atansyon si yo aji yon fason ak kò yo. Yo panse ke kò yo bon pou fè zak seksyèl sèlman. Pou rezon sa, li pi bon si pwofesè gason ba jenn fi konsèy vèbal sèlman, e selman nan prezans lòt moun. Menm prensip sa bon pou pwofesè fi e jenn gason ki te abize tou. Lè ou mete bon limit, w ap demontre respè pou timoun yo.

An Konklizyon

Timoun ki te abize seksyèlman gen kèk bezwen spesyal ke lòt timoun pa genyen. Yo bezwen santi yo an sekirite, ke yo nòmal, ke yo pwoteje, menm de tèt pa yo. Ede timoun sa yo nan chemen pou yo geri, e koute yo san jijman. Kite yo eksprime jan yo santi yo. Pale yo de jan yo gen valè ni pou ou, ni pou Bondye. Kwè nan yo, paske anpil nan yo bliye jan pou yo kwè nan tèt pa yo. Ba yo espwa pou lavni yo. Kounyeya yo gendwa wè lavni plen lapenn ak defèt. Men asire yo ke wap soutni yo e wap kenbe yo an sekirite. Di yo sa ankò e ankò.

Page 155: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

150 ATIK SIPLEMAnTè

EKSPLWATASYOn SEKSYèL

Atik Siplemantè

Eksplwatasyon SeksyèlJanette Pepall

Eksplwatasyon seksyèl gen yon impak terib sou timoun. Timoun sa yo pèdi anpil bagay. Yo pèdi inosans yo, yo pa tifi/ti gason ankò, yo pèdi fanmi yo, kay yo, sekirite yo. Sa afekte devlopman emosyonèl, spirityèl e enteleksyèl.

Mo KleAbi Seksyèl Timoun Sa se lè yon timoun oubyen yon jenn moun abize, e se yon lòt pi gran timoun, yon adolesan oubyen yon granmoun fè sa pou plezi seksyèl pa li. Pi fò moun ki komèt abi seksyèl se gason, men gen fi ki abize lòt moun tou.

Moun Ki Pran Okazyon Komèt Ofans Seksyèl Sa se yon moun ki pran okazyon fè seks ak timoun lè li kapab. Pa egzanp, sa ka rive lè yon moun vin abite ak kèk fanmi li, epi li abize timoun moun yo.

Pedofil Sa se yon moun ki prefere fè bagay ak timoun. Pafwa yo prefere yon sèten laj, yon sèten aparans nan yon timoun, epi yo prefere tifi oubyen ti gason (pa toulède). Pedofil tou planifye abi yo pral fè a. Pa egzanp, li planifye kote pou l al jwenn timoun yo. Pafwa, yon fanm ka menm ede pedofil la jwenn timoun. Li gendwa atire timoun yo pou pedofil la, oubyen li ka patisipe nan ofans lan nan lòt fason tou.

Trafik Seksyèl Timoun Sa gen pwostitye timoun, abi seksyèl pedofil e pònografi ladan l. Anpil fwa se moun k ap vann timoun pou seks, e se touris oubyen lòt moun nan zòn nan k ap achte.

Efè Sou TimounLè timoun sibi eksplwatasyon seksyèl, yo santi gwo wont, imiliasyon, krent, kòlè ak angwas. Timoun sa yo pa ka respekte tèt yo ankò. Yo pèdi diyite yo. Yo pa fè okenn moun konfyans ankò. Yo sibi anpil bagay ki chanje jan yo wè lemonn.

Men kèk bagay ki ka rive yon timoun paske moun abize li:

Yo ka vin gen maladi, tankou SIDA

Yo pa konprann sèks ankò (yo vin anvi fè bagay ak nenpòt moun, yo ansent avan lè)

Yo blese nan ògàn seksyèl yo

Devlopman seksyèl yo an reta

Page 156: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

151ATIK SIPLEMAnTè

EKSPLWATASYOn SEKSYèL

Developman emosyonèl yo an reta

Pwoblèm sante abityèl, tankou twoub alimantasyon

Tèt-fè-mal, vant-fè-mal

Pa gen anpil atansyon, pèdi memwa, pa gen motivasyon

Pa ka konsantre nan lekòl

Sove kite lakay oubyen kote y ap pran swen li.

Abize dwòg oubyen alkowòl

Blese tèt pa li, tankou koupe oubyen boule tèt pa li.

Depresyon

Tante touye tèt pa li

Kisa Ou Ka Fè?

Si yon timoun ap demontre karakteristik ak konpòtman ke nou diskite la, nou pa sipoze konprann ke se dezòd timoun nan ap fè. Okontrè, se konsa timoun reyaji lè yo sibi yon bagay twomatik. Moun k ap pran swen timoun sipoze bat pou yo konprann poukisa yon timoun ap aji konsa.

Ou dwe bat pou w lye ki jan timoun nan santi li e jan li reflechi ak jan li konpòte li. Sonje ke timoun nan li menm, li panse, “M pa bon moun. M pa tifi ankò. Sa se fòt pa m.” Li santi li pa gen valè e pa gen moun k ap renmen li. Li gendwa panse ke pa gen moun k ap vle marye avèk li.

Konprann ke li aji souvan selon bagay sa yo ke li kwè e selon jan li santi li. Li gendwa panse ke si li gentan gate, li gentan pa bon, li ka kontinye mennen yon vi nan pwostitye pou l ka gen lajan.

Gen plizyè bagay yon moun k ap pran swen yon timoun konsa ka fè. Anpremye, ou dwe koute pawòl timoun nan. Koute byen. Ba li yon kote pou l pale. Fè l konnen jan sa fè ou fache e Bondye fache ke sa te rive li.

Ankouraje timoun nan eksprime jan li santi li. Lè l eksprime jan li santi, se lè sa nou ka kòmanse rezoud sa. Ou ka chache yon lòt moun pou ede tou. Pran tan pou w fè timoun nan kwè nan ou, mete konfyans li nan ou. Fè l konnen ke sa enpòtan pou ou. Pou timoun nan kòmanse regle e trete sa ki te rive li ka pran anpil tan. Ou dwe dakò pou w rete ak timoun nan pandan pwosè sa.

Asèpte e renmen timoun nan, kèlkeswa sa ki rive, sa ke li di. Pa blame timoun nan menm pou sa ki rive li. Fè timoun nan konnen ke se pa li menm ki responsab sa ki te pase li.

Fè timoun nan konnen ke Bondye renmen li. Li wè ke chak moun li kreye enpòtan anpil pou li. Timoun sa enpòtan pou Bondye kounyeya, menm jan li te ye avan li te abize.

Page 157: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

152 ATIK SIPLEMAnTè

EKSPLWATASYOn SEKSYèL

Lè yon granmoun renmen yon timoun ase pou l fè pati nan vi li, santiman ke timoun nan genyen lè l santi li pa gen valè vin chanje. Timoun sa yo ka vin santi yon gen yon objektif, yo gen espwa pou yon pi bon vi.

NOTE BYEN: Sitiyasyon nan tout pati lemonn diferan, e ou dwe mete w okouran de sa ki legal kote ou abite, e kisa ki ap mete timoun nan an sekirite. Si timoun nan ap toujou an sekirite, e si li apropriye, fè timoun nan konnen ke w ap mete otorite okouran de abi ke li te sibi.

Page 158: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

153

Bondye Te Fè Kò mSeksyon 6 • Leson 10Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: Bondye te fè kò m. Li spesyal.

Jodia timoun yo aprann ke gen prensip pou kò yo ke lòt moun dwe respekte.

Jodia timoun deside mete limit pou fason ke lòt moun ka manyen kò yo.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Papye • Kreyon deson

Yon nòt enpòtan pou ou menm, pwofesè:ENPOTAN! Gen 4 leson nan seksyon “Relasyon ak lòt moun” ki pale sou seksyalite imen.

ENPOTAN! Pou 3 premye leson yo, divize elèv yo nan 2 gwoup – yonn pou tifi sèlman, yonn pou ti gason sèlman. Si posib, fè yon mesye anseye ti gason yo e yo fanm anseye tifi yo. Pou dènye leson nan seksyon sa, timoun nan rete ansanm nan yon sèl gwoup.

ENPOTAN! Leson sa yo ekri pou timoun ki gen 8–12 an sèlman. Silvouplè pa mete timoun ki pi jenn nan 3 premye leson yo, menm si ou mete timoun ki pi gran.

Leson sa pale sou jan nou ka pran swen kò nou e kenbe yo an sante.

•Timoun ap aprann apresye kò yo kòm bèl kado ke Bondye ba yo.

•Timoun ap aprann ke Bondye renmen tout moun egal, menm si yo diferan de yonn lòt.

•Timoun ap aprann jan pou yo demontre amou yo pou Bondye lè yo danse e louwe li.

•Timoun ap aprann limit yo dwe genyen ak lòt moun, sitou pou manyen moun.

Li enpòtan pou timoun konprann ke leson sa yo ap ba yo yon okazyon pou yo pale sou abi seksyèl e ki jan pou yo avèti sa. n ap gade tou enpòtans gade tèt pa nou yon jan pozitif. Gen yon konsantrasyon tou sou jan moun dwe bay fanm valè, paske nan anpil pati lemonn, moun pa bay fanm valè ni enpòtans.

Page 159: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

154 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE TE Fè Kò MSeksyon 6 Leson 10

Li enpòtan pou nou bay timoun enfòmasyon ki korèk sou kò yo e sou koze seksyèl. Yo bezwen konn jan pou yo gade kò yo yon jan ki pwòp, men pou yo pa wont kò yo tou. Yo dwe aprann respekte ni kò pa yo, ni kò lòt moun tou. Lè nou bay timoun edikasyon sou kò yo, yo ka konprann lè yon moun ap vyole yo. Sa ede yo konprann lè yon moun ap eseye manipile oubyen pase yo nan riz. Leson sa yo ankouraje timoun pou yo pale avèk ou menm oubyen yon lòt granmoun si yo nan yon sitiyasyon yo panse ki pa bon.

Pafwa moun mal-alèz lè y ap pale koze seksyèl. Li enpòtan anpil pou w kreye yon anviwònman de sekirite pou timoun yo. Ou dwe ankouraje yo pataje eksperyans e kesyon yo genyen sou abi seksyèl. Timoun yo ap deside si yo ka pale, selon anviwònman ke ou menm ou kreye a.

Konsèy pou Pwofesè: Ankouraje timoun yo aji tankou syantis k ap fè dekouvèt nan yonn nan kreyasyon Bondye yo, kò moun. Etan syantis, yo ka sèvi ak bon non pati kò moun pou yo demontre respè pou sa Bondye kreye. Timoun yo ka pi alèz, e santi yo mwens wont, si nou abòde sijè a nan yon mòd syantifik.Pi fò moun pa pale sou kò yo ak koze seksyèl. Si ou menm pwofesè, ou mal-alèz pou w pale sou bagay sa, ou sipoze fè yon ti repetisyon leson an avan klas la. Sa ap ede ou pi alèz pou w pale sa ak timoun yo. Plis ou pratike, plis w ap santi ou alèz pou w kreye yon anviwònman kote timoun yo alèz pou yo pale sou koze sa yo tou.

Ankouraje timoun yo gen yon kiriyozite e yon respè pou kò moun. Felisite timoun yo lè yo poze kesyon. Pa fè kòm si ou sezi ni etone pou nenpòt kesyon timoun yo poze ou. Bat pou w reponn tout kesyon yo ouvètman e onètman, nan nivo timoun yo ye a. Si ou pa konn ki jan pou w reponn a yonn nan kesyon timoun yo, ou pa oblije reponn la menm. Di timoun yo ke w ap fè rechèch pou w konn repons lan e w ap reponn pita. Ou gendwa pale ak yon pastè oubyen yon lòt moun sou meyè fason pou w reponn kesyon timoun nan poze a. Pa janm bliye fè yo repons lan, menm si se yon lòt jou.

Rekonèt ke gen timoun ki abize, oubyen ki te nan aksidan. Pafwa, lè timoun yo pral pale sou eksperyans yo fè a, sa ka difisil pou yo. Rasire timoun yo ke sa ki te rive yo, se pa fòt yo. Mesaj sa enpòtan anpil. Repete li souvan. Anpil timoun blame tèt pa yo pou move bagay oubyen abi ki rive yo. Fè timoun yo konnen tou ke si yo pale sou sa ki rive yo, e si yo di Jezi sa, Jezi ka ede yo geri.

Fè tout timoun yo sonje ke si yon lòt timoun pale sou yon bagay nan klas la ki prive, oubyen yon move bagay ki pase li, okenn moun pa sipoze fawouche li pou sa. Di klas la ke yo pa sipoze pale sa ak moun ki deyò klas la. Li enpòtan pou nou pwoteje yonn lòt nan fason sa.

Si gen timoun ki andikape, toujou sansib avèk yo, e konsantre sou sa yo ka fè.

Mete w prè pou timoun yo ka vin pale avèk ou an prive. Bay yo okazyon pou yo fè sa.

ENPOTAN! Gen 4 bagay ke ou dwe kominike a yon timoun ki fè ou konnen ke li sibi abi seksyèl.

Page 160: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

155KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE TE Fè Kò M Seksyon 6Leson 10

•Ou tande li.

•Ou kwè sa li di a.

•Sa ki rive li pa t bon.

•Ou vle pwoteje li.

Yon fason pou w kominike ke sa k te rive a pa t bon e ke ou vle pwoteje li, se pou w mete otorite okouran de sa ki te pase a. Malerezman, gen kote ke moun pa konsidere abi seksyèl yon move bagay pou moun fè lòt moun. Gen kote se timoun nan yo blame pou abi an. Gen anpil lòt rezon ke otorite yo gendwa pa envestige akizasyon ki fèt. Gen sitiyasyon tou kote timoun nan gendwa sibi plis abi. Paske li enpòtan pou w pwoteje timoun nan, ou dwe mete ou okouran de sitiyasyon kote ou abite a. Si sa aproprye, e si timoun nan ap benefisye de plis sekirite, ou dwe mete yo okouran de sa.

LÈ POU LESON AN1. Yon fason nou ka gen bon relasyon ak moun

Objektif: Timoun ap aprann bon fason ak move fason pou yo manyen lòt moun.

Jodia n ap selebre kò moun. Bondye te kreye e li renmen kò moun. Anpil fwa moun ap pi alèz pou yo pale koze sa yo si tout fi ansanm epi tout gason ansanm. Se konsa ti gason yo ap reyini yon lòt kote ke tifi yo. Timoun pi piti yo pa la pou leson sa yo. Sa se yon leson pou nou menm ki gran ase pou nou konprann sa ki pral pale a. Koute bèl vèsè sa ki soti nan Bib la.

Li vèsè a 3 fwa, lantman, nan Bib la.

M’ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Som 139.14

Ann fè kòm si nou se syantis e n ap dekouvri plis sou bèl kreyasyon Bondye a – kò nou. Kò moun se yon bèl kado ke Bondye ban nou. Men kèk bèl ti detay sou kò nou:

Je Moun ka wè an koulè, e yo gen selil spesyal ki pèmèt yo wè lajounen kon lannwit. Cheval sèlman wè nan nwa e blan. Chov-souri pa ka wè nan fènwa ni bagay ki lwen, e yo koute son ki genyen pou yo ka jwenn yon bagay.

Page 161: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

156 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE TE Fè Kò MSeksyon 6 Leson 10

Kè Fè timoun yo mete men sou kè yo pou yo ka santi kè yo k ap bat.

• Ki son kè yon moun fè?

Kè nou kontinye bat san se pa moun ki di yo fè sa. Kò nou mèvèye ni anndan, ni deyò.

Dwat Nou gen nèrf nan pwent dwat nou ki sansib anpil. Yo ka santi menm yon ti touch piti. Eske ou te konnen ke pa gen 2 moun ki gen menm anprent nan dwat yo? Bondye fè nou chak diferan.

Louwe Bondye pou kò nou!

• Pou kisa nan kò ou èske ou louwe Bondye?

Fè timoun yo reponn e di, “M louwe Bondye pou…”

Ou gendwa ba yo yon egzanp pou w kòmanse. Pa egzanp, ou ka di, “M louwe Bondye pou vwa m ki ka chante.” “M louwe Bondye pou pye m ki ka kouri vit.”

Yon lòt bagay ki etonan sou kò nou se ke Bondye fè nou chak diferan, e li selebre jan nou diferan. Li fè kò nou nan plizyè koulè, gwosè, plizyè fòm. Gen kò ki andikape oubyen blese. Eske ou te konnen ke lè yon moun blese nan yon pati kò yo, Bondye ede yo vin pi fò nan yon lòt pati nan kò yo? Pa egzanp, moun ki avèg, souvan Bondye fè yo tande pi byen ke lòt moun e yo ka tande sa lòt moun pa ka tande.

Bondye renmen nou tout menm jan, menm si kò nou diferan. Li renmen nou chak an depi de aparans oubyen andikap nou. Nou pa janm sipoze fawouche yon moun ki diferan de nou menm. Bondye renmen chak moun.

Bondye fè tifi ak ti gason diferan tou. Pafwa moun itilize mo sal pou yo pale sou pati kò moun. Nou pa pral sèvi ak mo sa yo. Sa pa onore Bondye ni nou menm. Okontrè, nou pral itilize mo ke yon syantis oubyen yon doktè ta itilize. Sa yo enpòtan, e yo ka ede nou konprann jan kò Bondye fè yo mèvèye vre.

Ti gason ak tifi gen pati kò ki diferan nan mitan janm yo, nan sa ki rele pati jenital yo. Pati kò sa yo spesyal, e se Bondye ki kreye yo pou yon fè yon travay spesyal tou. Pa egzanp, jenital ti gason fè òmòn ki ka fè ti gason vin granmoun. Jenital ti gason tou fè yon bagay ki rele spèm, ki enpòtan pou fè ti bebe.

Jenital tifi gen yon tib anndan abdomèn li, ki soti nan vajen li, rive anba ti vant li, ki rele matris. Se nan matris ke ti bebe grandi. Anndan kò yo, tifi gen ovè ki gen ti ze nan yo, gwosè ti moso sab, e se sa yo ki nesesè pou fè ti bebe.

Bondye bay granmoun ki marye yon kado spesyal, ki rele sèks, pou yo ka montre jan yo renmen yonn lòt, e pou yo ka fè ti bebe tou. Si pou yon ti bebe fèt, se pou

Page 162: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

157KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE TE Fè Kò M Seksyon 6Leson 10

spèm yon nonm ak ze yon fanm vini ansanm. Se pou mari a mete spèm li anndan madanm li, pou spèm nan ka kole ak ze a nan matris madanm nan, epi l ap grandi fè yon ti bebe.

Pran kèk minit pou w reponn a nenpòt kesyon ki genyen avan ou kontinye. Fè timoun yo konnen tou ke si yo ta renmen pale avèk ou menm pou kont ou, ou la pou w ede yo. Mete w prè pou reponn a kesyon konsa:

•Yon lè yon moun fòse m fè bagay avèk li, li vyole m. Eske sa vle di m pa yon bon moun?

•Gen yon moun ki manyen m nan jenital mwen. Eske sa vle di ke m pa p janm ka fè timoun?

•Manman m kouche ak anpil moun pou lajan. Eske sa vle di ke li pa bon moun?

•Eske sa vle di ke m pa bon moun si manman m pa marye?

Fè timoun yo konnen ke pa gen anyen ke yon lòt moun fè li ki fè timoun nan yon move moun. nan kesyon konsènan paran, fè timoun yo konnen ke Bondye renmen tout moun, kèlkeswa sa li fè a. Lè yon granmoun pa sèvi ak sèks nan fason ke Bondye vle, Bondye tris anpil. Sa se pa plan li.

Kò nou se bèl kado ke Bondye ban nou. Men gen kèk bagay ke nou dwe obsève ki ka ede nou onore kò pa nou ak kò lòt moun. Nou montre Bondye ke nou renmen li lè nou onore kò pa nou.

Gen kèk bagay ke ou dwe konnen de kò ou e jan ou manyen kò.

• Gen kèk pati nan kò moun ki prive anpil e ki pèsonèl pou moun nan sèlman. Kisa yo ye?

Bouch, lestomak, fès (dèyè), ak jenital

Ou pa sipoze kite moun manyen ou nan pati jenital ou yo sa sof si li gen yon bon rezon. Yon bon rezon pou yon moun ta manyen ou nan pati sa yo se si ou frape e yon doktè oubyen yon enfimyè ap ede ou.

Moun pa sipoze manyen ou si ou pa vle e si ou di yon moun sispann manyen ou, yo sipoze rete. Si yon moun pa sispann manyen ou lè ou di l rete, di yon lòt granmoun ki fyab sa.

Si yon moun pa vle ou manyen li tou, ou sipoze respekte sa.

• Tout moun bezwen moun manyen yo pou yo sa santi moun renmen yo e ke yo kontan. Ki bon jan ou ka manyen yon moun?

Bay lanmen, anbrase moun si yo vle.

Page 163: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

158 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE TE Fè Kò MSeksyon 6 Leson 10

M ap li kèk sitiyasyon pou ou. M vle ou di m si chak sitiyasyon demontre yon moun k ap manyen nan yon bon fason, yon fason ki bon pou moun e ki fè Bondye plezi, oubyen si se yon touch ki fè moun mal e ki fè Bondye tris. Ou prè?

Si timoun yo alèz, yo ka esplike ou poukisa sitiyasyon yo bon ou mal.

Ou bay lanmen lè ou fè konesans yon fanmi ou ke ou pa t janm konnen. (Bon touch)

Yon bon zanmi kontinye sasiyèt ou menm lè ou mande l rete. (Move touch)

Yon granmoun ou konnen manyen pati jenital ou ak tout rad sou ou. (Move touch)

Yon zanmi ap kriye e li tris, epi ou anbrase li. (Bon touch)

Moun ki pa marye ak fè sèks. (Move touch)

Yon granmoun fè ou chita sou li menm lè ou pa vle. (Move touch)

Ou mande yon moun ou byen avèk li anbrase ou. (Bon touch)

Yon moun manyen lestomak ou anba chemiz ou. (Move touch)

Yon granmoun di w manyen pati jenital pa li. (Move touch)

Yon moun bo ou nan bouch menm lè ou pa vle li fè sa, e ou pa renmen sa. (Move touch)

Lè ou fini lis lan, mande si pa gen okenn moun ki gen kesyon. Di timoun yo ke ou la pou w pale avèk yo aprè klas la si yo gen moun ki manyen yo yon fason ke yo pat vle. Pafwa timoun nan ka santi li pi byen aprè li di yon lòt granmoun ki se yon Kretyen sa. Di yo ke w ap priye avèk yo e w ap mande Jezi geri memwa yo genyen de move bagay ki te rive yo.

2. Eksplore jan nou ka gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun ap montre jan yo gen renmen pou Bondye nan louwe Bondye ak kò yo.

Revize vèsè pou jodia:

M’ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Som 139.14

Kounyeya nou pral selebre Bondye ak kò nou pou nou montre li jan nou renmen li.

Chwazi yon ti kè ke timoun yo konnen. An premye, chante l san fè okenn mouvman. Aprè sa, di timoun yo n ap chante l yon dezyèm fwa, e yo ka danse. Ankouraje yo danse kòm yo

Page 164: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

159KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE TE Fè Kò M Seksyon 6Leson 10

fason de onore Bondye sa a ki te fè bèl kò yo.

Lè ti kè a fini, esplike ke ou pral endike yon timoun. nenpòt lè ou endike yonn nan yo, li sipoze di byen fò, “M ap chante lwanj ou! Ou fè kò m bèl!”

3. Mennen vi w yon fason nou ka gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun ap deside montre lòt moun amou Bondye ak souri yo e ak lapriyè yo semènn sa.

• Ou konnen yon fason ou ka montre lòt moun amou Bondye, san ou pa di yon mo, e san w pa fè okenn mouvman?

Souri ou!

Mè Terèz, yon fanm ki te abite ann End, te fè tout lavi li ap travay ak moun ki pi malere nan tout lemonn. Li te di yon fwa, “Chak fwa ou souri a yon lòt moun, se yon aksyon amou, se yon kado ou fè moun nan, se yon bèl bagay.”

Semènn sa, souri a 10 moun ki parèt pa gen kè kontan, moun ki parèt tris. Yo sanble yo bezwen yon moun ede fè kè yo kontan. Epi priye nan kè ou pou moun sa. Ou gendwa priye, “Papa m ki nan syèl la, m di ou mèsi pou moun sa. Mèsi pou okazyon ou ban mwen pou souri a moun sa e fè kè li yon ti jan pi kontan.” Lè ou fin souri e priye pou moun nan, pran yon ti wòch epi sere li pou lòt semènn. Kontinye fè sa jouskaske ou fin ramase 10 ti wòch.

Yon lòt opsyon:

Bay chak timoun yon fèy papye. Sou papye a, yo sipoze fè 10 wònn. Esplike ke wònn sa reprezante figi moun. Olye de kenbe yon ti wòch pou chak moun yon rankontre e souri pou li, yo ka desinen figi moun nan sou yonn nan wònn yo – se konsa, yo ka sonje ki moun yo rankontre e ki moun yo te priye pou yo a. Yo sipoze konplete toule 10 wònn yo.

Fen opsyon

Fèmen klas la e di tout moun souri a yonn lòt. Sa se yon bèl aktivite. Timoun yo gendwa ri. Aprè sa, fèmen ak lapriyè.

Senyè, nou di ou mèsi ke ou ban nou bèl kò sa yo. Ede nou respekte kò pa nou, ak kò lòt moun e manyen moun yon fason ki onore ou sèlman. Ede nou sonje pou nou souri a lòt moun e montre yo amou ou. Nou priye w konsa nan non Jezi, amèn.

Page 165: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

160

Bondye Geri Kò ki te DezonoreSeksyon 6 • Leson 11Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: Bondye ka geri m menm si m te sibi abi seksyèl.

Jodia timoun yo aprann sa ki rele abi seksyèl e ki efè li genyen, e kisa yo ka fè si yo menm oubyen yon moun yo konnen sibi kalite abi sa.

Jodia timoun deside pale ak yon granmoun ki fyab si yo menm oubyen yon moun yo konnen ap sibi abi seksyèl.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Papye • Kreyon deson • Si w vle: yon tablo pou w ekri efè abi seksyèl genyen sou moun • Si w gen yon tablo, ekri efè abi seksyèl yo avan klas la kòmanse. W ap jwenn yon nan Pati 1.

Yon nòt enpòtan pou ou menm, pwofesè:ENPOTAN! Sa se dezyèm leson nan pati sa ki pale de abi seksyèl.

ENPOTAN! Divize elèv yo nan 2 gwoup pou leson sa – yonn pou tifi sèlman, yonn pou ti gason sèlman. Si posib, fè yon mesye anseye ti gason yo e yo fanm anseye tifi yo. Pou dènye leson nan seksyon sa, timoun nan rete ansanm nan yon sèl gwoup.

ENPOTAN! Pa kite timoun ki gen mwens ke 8 an tande leson sa, men ou mèt asèpte timoun ki pi gran.

Abi seksyèl se yon sijè ki difisil anpil pou moun pale e esplike. Li enpòtan anpil pou w kreye yon anviwònman kote timoun yo santi yo an sekirite e yo ka fè yonn lòt konfyans. Timoun bezwen santi yo alèz pou yo eksprime sa yo panse e sa yo santi sou abi seksyèl, ak okenn abi ke yo menm yo gentan sibi.

Page 166: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

161KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE GERI Kò KI TE DEZOnORE Seksyon 6Leson 11

Men kèk fason ou ka kreye yon anviwònman kote timoun yo alèz:

Bat pou w pa montre ke ou sezi pou nenpòt sa timoun yo di.

Kite timoun yo konnen ke yo mèt eksprime nenpòt santiman yo vle – menm kòlè.

Sonje ke timoun ap reponn nan diferan fason a abi, e nou dwe asèpte tout santiman yo genyen yo.

Ankouraje e louwe timoun yo lè yo pataje yon eksperyans ki prive, oubyen yon bagay ki difisil anpil. Lè yo pale sou fason ke yo te abize, sa ede yo geri e sa fè yo konnen ke yo pa tou sèl.

Fè yo konnen ke ou konprann jan yo santi yo.

Di yo ke sa yo santi a nòmal.

Asire yo ke yo pa sèl. Lòt timoun sibi menm bagay la.

Kontinye repete pou timoun yo: “Abi sa pa janm fòt yon timoun.”

Konsantre sou timoun ki te abize yo, pa konsantre sou sa ki te komèt abi a. Li pa bon pou w demontre kòlè anvè moun ki te fè yo sa.

Asire timoun yo ke ou la pou w ede yo e kenbe yo an sekirite.

Pa mete presyon sou yon timoun pou l pale sou abi li, si li pa vle.

Ti gason gendwa jwenn li pi difisil pou yo pale sou sa ke tifi.

Mete bon limit pou timoun yo. Li bon pou pwofesè gason pale ak jenn fi e ba yo konsèy nan prezans lòt moun sèlman. Pwofesè gason sipoze evite mete men sou yon tifi nan okenn fason, ni rete yon kote tou sèl avèk jenn fi. Li bon pou pwofesè fi pale ak jenn gason e ba yo konsèy nan prezans lòt moun sèlman. Pwofesè fi sipoze evite mete men sou yon ti gason nan okenn fason, ni rete yon kote tou sèl avèk jenn gason.

SONJE BYEN! Gen 4 bagay ke ou dwe kominike a yon timoun ki fè ou konnen ke li sibi abi seksyèl.

•Ou tande li.

•Ou kwè sa li di a.

•Sa ki rive li pa t bon.

•Ou vle pwoteje li.

Yon fason pou w kominike ke sa k te rive a pa t bon e ke ou vle pwoteje li, se pou w mete otorite okouran de sa ki te pase a. Malerezman, gen kote ke moun pa konsidere abi seksyèl yon move bagay pou moun fè lòt moun. Gen kote se timoun nan yo blame pou abi an. Gen anpil lòt rezon ke otorite yo gendwa pa envestige akizasyon ki fèt. Gen sitiyasyon tou kote timoun nan gendwa sibi plis abi. Paske li enpòtan pou w pwoteje timoun nan, ou dwe mete ou okouran de sitiyasyon kote ou abite a. Si sa aproprye, e si timoun nan ap benefisye de plis sekirite, ou dwe mete yo okouran de sa.

Page 167: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

162 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE GERI Kò KI TE DEZOnORESeksyon 6 Leson 11

LÈ POU LESON AN1. Yon fason nou ka gen bon relasyon ak moun

Objektif: Timoun aprann ke menm si yo sibi abi seksyèl, yo pa tou sèl e Bondye renmen yo.

Jodia nou pral pale sou yon bagay ki gendwa difisil. Leson sa pale sou si moun te sibi kèk mal seksyèl. Ou menm oubyen zanmi ou te gendwa sibi yon bagay konsa. Sa pa janm fot yon timoun. Gen de fwa moun pa vle pale sou jan yon lòt moun te fè yo mal – yo wont, oubyen sa fè yo tris, se konsa n ap di pou w di nou sèlman sa ou vle, si ou alèz. Si ou vle pale ak yon lòt granmoun oubyen mwen menm yon lòt lè aprè klas la, ou kapab fè sa. Nou konnen ke lè moun pale sou jan yon moun maltrete yo nan abi seksyèl, sa ka ede yo. Ou spesyal anpil pou Bondye e li vle retire penn sa ke ou genyen. Li gen yon bèl plan pou lavi ou. Pa gen anyen ki rive ou ki ka chanje sa.

• Kisa ki rele abi seksyèl, oubyen lè yon moun manyen ou yon fason ki pa pwòp?

Si posib, ou gendwa ekri yon lis de repons yo sou yon gwo fèy papye.

Ankouraje timoun yo bay repons pa yo. Raple yo leson ki te vini avan an ki te pale sou fason ke nou pa sipoze manyen moun, e di yo ke lè yon moun ap abize yon lòt moun seksyèlman, sa vle di l ap fè l yon bagay ki pa bon/ki pa pwòp nan pati kò li ki prive. Soulinye ke abi konsa pa janm fot yon timoun.

Lis la sipoze gen sa yo ladan l:

Manyen moun yon fason ki pa pwòp, e menm bo oubyen anbrase yon moun ki pa vle Si yon moun fè w chita sou li menm si ou pat vle Si yon moun ap manyen pati kò ou ki prive (bouch, lestomak, fès ak jenital) Si yon moun vle fè ou manyen jenital pa li Si yon moun ap fè w retire rad sou ou pou l fè foto ou Yon granmoun k ap kouche ak timoun. Timoun pa ka bay moun pèmisyon pou moun fè bagay avèk yo, se sèl granmoun ki ka dakò pou yon moun fè l sa.

Bay timoun yo yon ti moman pou si yo gen yon kesyon ouyen si yo vle di yon bagay. Gen timoun ki gendwa di yo konnen yon moun ki sibi abi seksyèl. Felisite yo pou kouraj yo nan di ou sa, e fè yo konnen ou kontan ke yo di ou sa. Di yo ke timoun pa janm sipoze sibi yon bagay konsa, e ke ou vle ede yo menm (oubyen zanmi yo), e mete yo an sekirite. Fè yo konnen ke ou pral pale sou jan abi seksyèl fè moun anpil mal.

Ankouraje yo pale sou eksperyans ke yo menm yo fè deja, si yo vle. Fè yo sonje ke si yon moun pale sou abi ke li sibi, sa ka ede li geri, e ke w ap ka pale avèk yo aprè leson an, si yo vle. Raple timoun yo ke sa se yon sijè ki difisil anpil pou moun pale. nou dwe sansib e pote

Page 168: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

163KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE GERI Kò KI TE DEZOnORE Seksyon 6Leson 11

kole ansanm nan sa. nou dwe montre moun ki nan lapenn amou Jezi. nou pa janm sipoze fawouche yon timoun ki sibi abi seksyèl, e nou pa sipoze pale koze yo a lòt moun deyò klas la.

Kisa ki rive yon timoun ki sibi abi seksyèl? N ap revize kèk fason ke abi seksyèl fè timoun anpil mal. Gen timoun ki te abize ki gendwa santi kèk nan doulè e penn ki nan lis la, men yo gendwa santi kèk lòt tristès tou ke nou pa mete nan lis la. Nou menm ki sibi abi oubyen ki gen yon zanmi ke yo maltrete konsa, ou ka bay ide pa ou tou.

Lis sa se kèk efè ki nòmal nan timoun ki te sibi abi seksyèl. Men abi konsa afekte chak timoun yon fason ki diferan. Timoun gendwa demontre kèk nan semptòm sa yo; yo gendwa pa demontre okenn nan yon tou. Yo gendwa demontre kèk semptòm ki pa menm nan lis la. Gen timoun tou ki pa t sibi abi ki gendwa demontre kèk nan semptòm sa yo. nou revize semptòm sa yo pou timoun ki te abize ka santi ke yo pa sèl e ke gen moun ki konprann sa y ap soufri. Epitou, nou vle timoun aprann ke yo an sekirite e li bon pou yo pale sou abi seksyèl ke yo sibi. Fè timoun konnen ke lè yo pale sou abi seksyèl, sa ka ede yo geri, men gerizon sa pran tan. Swiv byen timoun ki te sibi abi konsa; gendwa gen nan yo ki bezwen swen doktè.

Lis sa ki anba gen kèk enfòmasyon pou w pale ak timoun yo. Se pa yon lis konplèt; gendwa gen lòt bagay ki pa ladan l.

Pou n kòmanse, n ap pale sou ki jan yon moun ka reponn si li te sibi yon abi seksyèl, oubyen si yon moun manyen li yon fason ki pa t pwòp. Gen moun ki te abize ki demontre tout semptòm sa yo. Oubyen li ka gen kèk nan yo, oubyen lòt semptòm ki pa nan lis la.

Yon moun ki te sibi abi konsa gendwa gen doulè nan pati kò li, li gendwa soufri tèt-fè-mal oubyen move rèv. Gen timoun ke yo te abize ki gendwa vin gen maleng nan jenital yo. Gen nan yo ki vin gen SIDA. Si ou menm oubyen yon moun ou konnen te sibi abi seksyèl – kote yon moun te fè ou mal, te fòse ou kouche avèk li oubyen li manyen ou yon fason ki pa pwòp – ou dwe di yon granmoun ki fyab sa. Nou ka ede ou jwenn sipò ke ou bezwen.

• Kisa yon moun ki te sibi abi seksyèl gendwa santi?

Timoun yo gendwa di kèk nan sa yo. Ou menm, pwofesè, ou ka ajoute sa timoun yo pa di yo.

Tris Pè Wont Rayi tèt pa li Koupab Sal Ke li sèl San espwa Yo pa renmen li Ke yo twonpe li San pouvwa Ke li pa ka fè okenn moun konfyans Ke li pa an sekirite

Pafwa lè yon timoun fè move eksperyans kote yo fè li kèk mal, li gendwa gen ti vizyon de sa ki te rive li. Se tankou li wè nan tèt li kisa ki te pase li, men se pa nan dòmi li ye. Se tankou li ka santi abi a ankò.

Page 169: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

164 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE GERI Kò KI TE DEZOnORESeksyon 6 Leson 11

Pafwa moun ki te abize kriye anpil, oubyen yo kòmanse pran dwòg oubyen bwè twòp pou yo ka bat pou yo retire lapenn ak doulè ke yo genyen. Gen nan yo tou ki pa vle rete bò kote lòt moun. Gen lòt tou ki fè tèt pa yo mal. Gen nan yo ki manje oubyen dòmi twòp, oubyen pa ase. Gen nan yo tou ki manyen jenital pa yo, oubyen jenital lòt moun. Tout bagay sa yo danjere pou moun fè. Si ou menm oubyen yon zanmi ou te sibi abi kote yon moun te fè ou mal, te fòse ou kouche avèk li oubyen li manyen ou yon fason ki pa pwòp, premye bagay ou dwe fè se di yon granmoun ki se yon Kretyen. Objektif ou se pou w vin an sante e an sekirite pou bagay konsa pa rive ankò, e nou pa vle kite abi sa detwi tout lavi ou.

Men kèk bagay timoun ki sibi abi gendwa di tèt pa yo. Aprè chak sa li di, mwen menm m ap di ou verite a.

“Se mwen menm ki koz sa rive m, se fot pa m!” Non, se pa janm fot ou lè yon moun fè ou mal, fòse ou kouche avèk li oubyen li manyen ou yon fason ki pa pwòp.

“Nan moman an, lè li tap fè m sa, m pat rayi sa.” Pafwa nou gendwa panse ke atansyon oubyen touch yon moun dous, men sa pa vle di ke se yon bon bagay pou sa. Sa pa vle di ke ou move moun, ni ke se fot ou ke yo fè ou sa.

“M pa ka di okenn moun sa ki rive m nan. Sa ap pote gwo pwoblèm pou mwen.” Ou dwe pale ak yon granmoun ki fyab. Ou pap pini pou sa; sa pa t fot ou.

“M pap janm ka fè anyen ak lavi mwen.” Ou spesyal anpil. Bondye ka ede ou geri nan abi sa, e ou ka mennen yon bèl vi.

“M pa bon menm. Pèsonn pa p renmen mwen.” Non. Ou gen anpil valè pou Bondye. Li renmen ou anpil e li vle pran swen ou.

“M bon pou m kouche ak moun sèlman.” Non. Ou spesyal e ou gen anpil fòs e anpil talan anndan ou.

“ Tout gason se move moun.” Non. Gen gason ki fè move bagay yo pa dwe fè, men gen anpil mesye ki renmen e pwoteje timoun.

“M pa an sekirite. M pap janm an sekirite ankò.” Si ou pa ansanm ak moun ki te fè ou mal la, ou an sekirite. Nou renmen ou e nou vle pwoteje ou.

“Moun pa p vle zanmi avè m lè yo konnen sa ki rive m nan.” Se pa fot ou ke yon moun te abize ou. Bon zanmi ou ap renmen ou pou moun ou ye a e pou tout sa ki fè ou spesyal.

Efè diferan nan Abi seksyèl Apèsi sou lekòl la Tablo pou Pwofesè

Page 170: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

Efè diferan nan Abi seksyèl Apèsi sou lekòl la Tablo pou Pwofesè

REYAKSYON FIZIK REYAKSYON EMOSYONÈL

REYAKSYON MANTAL AKSYON KI EDE MOUN SIPÒTE

Lapènn Tris, santi moun pap renmen li ankò

Fè vizyon. Timoun nan sonje e wè nan tèt li sa ki te rive li, menm si li pa nan dòmi

Kriye

Maleng nan jenital li Li pè, li pa santi li an sekirite

“Sa se fot mwen.” Abi konsa pa janm fot yon timoun; se pa fot ou.

Pran dwòg oubyen bwè twòp

Tèt-fè-mal Wont “nan moman an, li pa t fè m mal.” Pafwa nou gendwa panse ke atansyon oubyen touch yon moun dous, men sa pa vle di ke se fot ou ni ke moun nan te sipoze fè ou sa.

Rete sèl, pa vle rete bò kote moun

Move Rèv Wont “M pa ka di okenn moun de sekrè sa. Y ap pini m si yo konn sa.” Ou bezwen pale ak yon granmoun ki fyab. Yo pap pini ou. Se pa fot ou.

Koupe oubyen blese tèt pa yo

SIDA Rayi tèt pa yo “M pap janm vin yon bon moun.” Ou spesyal pou Bondye. Ou ka geri nan abi sa e ou ka gen yon bèl avni.

Manyen jenital pa yo oubyen pa lòt moun

Koupab, pè fè moun konfyans

“M pa bon. Moun pap vle rete bò kote m ankò.” Ou gen anpil valè pou Bondye. Li renmen ou li vle pran swen ou.

Chanjman nan manje ak dòmi (twòp oubyen twò piti)

Sal “M bon pou moun kouche avè m sèlman.” Ou spesyal anpil, e ou gen anpil fòs e anpil talan anndan ou.

Kouri kite lakay li

Fache, santi ke yo twonpe li

“Tout gason se move moun.” Gen gason ki fè move bagay, men gen bon mesye ki renmen e ki pwoteje timoun.

Santi li sèl, San Espwa, Fèb

“Mwen an danje.” Si ou lwen moun ki te abize ou an, ou an sekirite. nou renmen ou e nou vle pwoteje ou.

Pa gen okenn santiman, ensansib

“Pa p gen moun kap vle zanmi avè m.” Se pa fot ou ke yo fè mal. vrè zanmi ou ap renmen ou pou moun ou ye a, e pou tout kalite ou genyen ki fè ou moun ou ye a.

Page 171: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

166 EFè DIFERAn nAn ABI SEKSYèL APèSI SOu LEKòL LA TABLO POu PWOFESè

BOnDYE GERI Kò KI TE DEZOnORESeksyon 6 Leson 11

• Timoun ki abize gen anpil bagay ki fè yo mal. Kisa ou sipoze fè si ou menm oubyen yon moun ou konnen te abize?

Ankouraje timoun yo bay repons. Ajoute okenn repons ke timoun yo pa di.

Di yon granmoun ki fyab. Menm si ou santi ou pè oubyen ou wont, si ou pale sou sa ki te rive, se lè sa gerizon an kòmanse. Se yon bagay difisil pou w konsidere, men aprè premye pa a, l ap vin pi fasil. Yo pap pini ou ni kouri dèyè ou paske ou vin di granmoun sa. Se pa fot yon timoun si sa rive li.

Si yon granmoun ou di sa pa koute w, ale di yon lòt moun. Sa w gen pou di a enpòtan. Lè ou di yon granmoun sa, se konsa yo ka anpeche moun nan fè lòt timoun sa. Epitou, si ou brav pou w di sa ki te pase ou, yon lòt timoun ka vin gen kouraj pou l di sa ki te pase l tou. Sonje ke Bondye renmen ou e ba ou anpil valè. Li vle pou w jwenn moun pou ede ou.

Menm si moun ki abize ou an di w l ap fè w kèk mal si w di sa, ou mèt di yon granmoun fyab sa kanmenm. Granmoun sa ap asire ke ou pa an danje ankò, e ke moun nan sispann abize ou.

Menm si ou pa sèten ke sa k ap rive ou menm oubyen yonn nan zanmi ou se abi, pale ak yon granmoun pou w konnen.

Si se zanmi ou ke y ap abize, menm si zanmi sa pa vle ou di moun sa, pale ak yon granmoun fyab ki ka ede zanmi ou.

Pale sa ak Bondye tou. Li renmen ou e li vle ede ou geri.

Bondye vle ede tout pitit li, menm sa ki te abize yo. Koute sa Bib la di:

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote.

Se mwen menm ki Bondye nou. M’ap ban nou fòs, m’ap ede nou. M’ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Ezayi 41.10

• Kisa vèsè sa gen pou l di tout moun? Kisa li vle di pou moun ki sibi abi seksyèl?

Repete vèsè a e kite timoun reponn. Rasire timoun yo ke nenpòt sa k ap rive yo, Bondye toujou avèk yo. Li vle ede yo e geri sa ki fè yo mal. Bondye ka ede yo nan pwoblèm ki pi difisil.

Men yon lòt vèsè sou amou Bondye pou nou.

Page 172: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

167EFè DIFERAn nAn ABI SEKSYèL APèSI SOu LEKòL LA TABLO POu PWOFESè

BOnDYE GERI Kò KI TE DEZOnORE Seksyon 6Leson 11

Fè moun wè jan ou gen bon kè, ou menm ki delivre moun y’ap pèsekite yo,

lè yo vin chache pwoteksyon bò kote ou. Pwoteje m tankou grenn je ou. Kache m anba zèl ou.

Som 17.7–8

• Kisa vèsè sa vle di pou ou?

Bondye renmen tout pitit li yo e li vle pou yo lwen moun ki ta fè yo mal. Pati vèsè a ki pale de grenn je Bondye vle di ke je Bondye fikse sou nou. Pati sòm nan ki di ke nou anba zèl Bondye ap di nou ke Bondye tankou yon gwo zwazo ki pwoteje ti pitit li anba zèl li. Ou mèt sèten ke Bondye ap rete bò kote ou e l ap ede geri sa ki fè ou mal.

2. Eksplore fason nou ka gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun ap eksprime sa ki fè yo mal, e y ap mete yo nan men Bondye.

Separe timoun yo an pè. Bay chak 2 timoun 5 minit pou yo pale ak yonn lòt sou nenpòt bagay ki rive yo ki te fè yo mal, e ke yo alèz pou yo di yon lòt moun. Raple yo ke konvèsasyon sa prive; pèsonn pa sipoze repete sa yon lòt timoun di li.

Lè yo fin pale, fè chak 2 timoun kenbe men e priye pou yonn lòt. Yo sipoze mande Bondye pwoteje yo. Yo sipoze di Bondye mèsi menm nan move sikonstans, paske Bondye toujou renmen yo e ba yo anpil valè.

Yon lòt opsyon:

Di timoun yo pou yo desinen move bagay ki rive yo, oubyen sa ki fè yo mal. Bay chak timoun yo fèy papye ak kreyon desen. Di timoun yo pou yo desinen oubyen ekri sa ki twouble yo nan yon bò papye a – li te mèt pa abi seksyèl. Fè yo konnen ke pap gen lòt moun ki wè sa yo ekri oubyen desinen. Lè yo fini, fè yo vire do paj la epi ekri oubyen desinen amou e pwoteksyon Bondye a. Repete vèsè yo. Timoun yo gendwa ekri tèt pa yo devan je Bondye, oubyen anba zèl Bondye. Lè yo fini, di yo pou yo pliye papye a ak bò ki gen sa ki twouble yo anndan.

Lè ou pliye papye sa e fèmen tout sa ki fè ou mal oubyen twouble ou anndan, sa raple nou ke amou e pwoteksyon Bondye kouvri nou e ap ede nou geri.

Fen opsyon

Page 173: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

168 EFè DIFERAn nAn ABI SEKSYèL APèSI SOu LEKòL LA TABLO POu PWOFESè

BOnDYE GERI Kò KI TE DEZOnORESeksyon 6 Leson 11

3. Mennen vi w yon fason pou w gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun ap chwazi fè Bondye konfyans pou l rekonfòte yo menm e lòt moun ki twouble.

Si w gen tan:

Si gen timoun ki te pale sou move bagay ke yo sibi pandan leson sa a, ou gendwa pa gen ase tan pou w fè sa. Si w pa gen tan, fèmen leson an ak Pati 2 (anlè).

Pou n fèmen, m ta renmen ban nou yon lòt vèsè pou nou konsidere:

Ann fè lwanj Bondye ki papa JeziKri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou

ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou,

konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n’a ba yo menm ankourajman nou te

resevwa nan men li an. 2 Korent 1.3–4

• Kisa vèsè sa gen pou l di tout moun? Kisa li vle di pou moun ki sibi abi seksyèl?

• Ki jan nou ka ankouraje e rekonfòte lòt moun?

Raple timoun yo ke nou ka demontre amou Bondye nan fason nou te aprann semènn pase – ak souri nou! Yo ka priye tou pou moun k ap soufri. Yo ka zanmi avèk yo, e yo ka pale ak granmoun ki fyab tou.

Ann priye: Senyè, silvouplè rekonfòte pitit ou k ap soufri e geri sa ki twouble yo. Ede yo konnen ke ou renmen yo. Ede nou janti avèk yo e pran swen moun k ap soufri. Ede nou gen kouraj e pale ak yon granmoun ki fyab. Nou priye w konsa nan non Jezi, amèn.

Mete w disponib pou w pale ak timoun aprè klas si yo bezwen pale plis sou sijè difisil sa.

Page 174: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

169

Kanpe Abi SeksyèlSeksyon 6 • Leson 12Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: Bondye ka ede m pran desizyon ak sajès e ak kouraj.

Jodia timoun yo aprann ki jan pou yo evite oubyen kanpe yon sitiyasyon de abi seksyèl.

Jodia timoun deside mande Bondye ba yo sajès ak kouraj lè yo nan sitiyasyon de abi seksyèl.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Fè yon lis de kote timoun yo ka alè lè yo fè fas a abi seksyèl (Wè Pati 1).

Konsèy pou Pwofesè: Ekri yon lis de kote yon timoun ka ale si yo bezwen soti nan yon sitiyasyon de abi. Mete non moun legliz, òganizasyon sosyal, klinik, e lòt opsyon nan vil kote ou rete a. Bay chak timoun yon kopi nan lis sa.

Yon nòt enpòtan pou ou menm, pwofesè:Leson sa a jodia ka ede timoun evite abi seksyèl, oubyen soti nan sitiyasyon kote yo gentan mele nan abi konsa. Leson sa pou ni ti gason ni tifi. Li enpòtan ke timoun yo konprann ke se pa tout abi ki evitab. Paske se pa vre. Men, soulinye ankò pou timoun yo ke se pa fot viktim nan si yon moun abize yo konsa.

Ankò, n ap di ou separe tifi ak ti gason pou leson sa a. Timoun ki poko gen 8 an pa sipoze fè pati nan leson sa.

nan kòmansman leson an, di ankò ke abi seksyèl pa janm fot yon timoun. Di timoun yo ke ou vle yo konnen ki danje ki ka mennen nan abi seksyèl, pou yo ka konnen jan pou yo soti nan sitiyasyon sa yo byen vit. Leson sa yo gendwa ede timoun rete an sekirite pita.

Di timoun yo ke nou pa ka konnen tout danje k ap prezante devan nou. Swiv reyaksyon emosyonèl timoun yo pandan leson an. Swiv pou si gen timoun ki parèt mal-alèz oubyen timoun ki boulvèse. Pafwa, si yo pap swiv, oubyen yo kòmanse jwe ak kèk ti bagay nan men yo, si yo kriye, si y ap fè dezòd – tout sa yo se fason yon timoun ka reyaji si li twouble. veye si gen chanjman nan fason yon timoun ap aji. Fè sèten ke w pale ak timoun sa aprè klas la.

Si ou konnen yon timoun k ap sibi abi, pale avèk li sou leson an avan klas la e mande li si l prèt pou asiste klas la. Si li pa vle, pa fòse li asiste klas la. Si li deside asiste, ba li pèmisyon

Page 175: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

170 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

KAnPE ABI SEKSYèLSeksyon 6 Leson 12

pou l kite sal la a nenpòt ki moman pandan leson an. Asire ke yon bon Kretyen pale ak nenpòt timoun ki kite klas la, epitou ak okenn viktim abi ki genyen. Raple timoun yo ke gen moun ki sansib pou yo e ki vle ede yo, e pwoteje yo, e Bondye toujou avèk yo tou.

Lè w ap pale ak viktim abi sa yo, fè yo konnen ke yo an sekirite kounyeya. Abi a pa fot yo. Koute yo san jijman pou nenpòt sa yo vle di. Pa fòse yo pale plis pase sa yo vle. Felisite kouraj ke yo genyen pou yo pale yon bagay ki tèlman sansib avèk ou. Di yo ke lè yo kòmanse pale sa ki te rive yo, se lè sa yo ka kòmanse geri. Ba yo espwa pou lavni yo. Fè yo sonje ke yo gen valè pou Bondye e ke Bondye gen yon bèl plan pou lavi yo. Ankouraje yo gen “gwo rèv” pou sa ke yo akonpli nan lavni yo.

SONJE BYEN! Gen 4 bagay ke ou dwe kominike a yon timoun ki fè ou konnen ke li sibi abi seksyèl.

•Ou tande li.

•Ou kwè sa li di a.

•Sa ki rive li pa t bon.

•Ou vle pwoteje li.

Yon fason pou w kominike ke sa k te rive a pa t bon e ke ou vle pwoteje li, se pou w mete otorite okouran de sa ki te pase a. Malerezman, gen kote ke moun pa konsidere abi seksyèl yon move bagay pou moun fè lòt moun. Gen kote se timoun nan yo blame pou abi an. Gen anpil lòt rezon ke otorite yo gendwa pa envestige akizasyon ki fèt. Gen sitiyasyon tou kote timoun nan gendwa sibi plis abi. Paske li enpòtan pou w pwoteje timoun nan, ou dwe mete ou okouran de sitiyasyon kote ou abite a. Si sa aproprye, e si timoun nan ap benefisye de plis sekirite, ou dwe mete yo okouran de sa.

LÈ POU LESON AN1. Yon fason nou ka gen bon relasyon ak moun

Objektif: Timoun idantifye kèk bagay ki ka sinyale sitiyasyon ki gen abi seksyèl nan yo, e ki jan pou yo reponn a sa.

Jodia nou pral aprann kèk sinyal ki genyen ki ka fè nou konnen lè nou an danje de abi seksyèl. Nou pral aprann tou ki jan nou ka evite sitiyasyon sa yo. Anfen, nou pral aprann ki jan pou nou soti nan sitiyasyon sa yo, si nou vin twouve tèt nou nan sa.

Gen kèk timoun ki pa konnen lè y ap abize li. Yo pa konnen ki jan pou yo jwenn moun pou ede yo. Leson sa a ka pwoteje ou nan lavni ou. Epitou ou gendwa ka ede yonn nan zanmi ou soti nan yon tèl sitiyasyon. Sonje, kelkeswa sa ki rive, abi seksyèl pa janm fot yon timoun.

Page 176: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

171KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

KAnPE ABI SEKSYèL Seksyon 6Leson 12

nou vle kòmanse leson an sou yon pwen pozitif e ede timoun yo kontinye devlope yon bèl respè pou kò moun e pou touch imen tou. Lè nou prezante yon mesaj ki ekilibre, timoun ap devlope yon bon imaj de kò yo e konfyans pou yo pwoteje kò yo lè moun vle manyen yo yon fason ki pa pwòp. nou pa vle pou nou panse ak kò yo epi mete nan tèt yo ke kò moun oubyen manyen moun se yon bagay ki toujou sal. Si yo kwè sa, yo pap janm ka di moun kisa ki te pase yo, e yo pap ka kòmanse geri.

• Pou n kòmanse, ann revize sa ki rele Bon Touch la. Ki jan nou ka manyen yon moun ki onore Bondye?

Pèmèt timoun yo reponn e felisite yo pou bon repons ke yo bay. Yo mèt di: Kò m se pou mwen menm ak pou Bondye. Moun mèt manyen m sèlman si m dakò. M ka manyen lòt moun si yo dakò sèlman. Pèsonn pa sipoze touche pati kò m ki prive, ni jenital mwen. Kouche ak moun se pou moun marye.

Jodia nou pral pale sou sitiyasyon ki danjere pou timoun. Lè nou nan sitiyasyon sa yo, nou gendwa twouve tèt pa nou nan sitiyasyon kote moun ap manyen nou yon fason ki sal, oubyen ap fè abi seksyèl. Si ou vin twouve tèt ou nan yonn nan sitiyason sa yo, kisa ou sipoze fè pou w retire kò w? Nan fen leson sa, nou pral ba ou kèk bon ide.

Konsèy pou Pwofesè: Paske sijè leson sa a se yon sijè ki sansib anpil, piga ou sezi pou okenn reyaksyon ke timoun yo gendwa genyen. Avan ou anseye leson an, mande Bondye fè ou sansib pou sa k ap pase nan lavi timoun yo. Si ou rive nan yon pwen nan leson an kote ou panse l ap pi bon si ou kanpe leson an epi pale e priye ak timoun yo, ou mèt fè sa.Prezante materyèl k ap vini an nan yon fason ki fè timoun nan santi li gen fòs pou l konbat sitiyasyon difisil sa yo. nou pa vle pou timoun yo soti nan leson pou yo pè tout bagay. Li sitiyasyon an. Epi bay timoun yo kèk segonn pou yo reflechi. Aprè sa, mande yo: “Kisa ou sipoze fè?”

M pral ba ou yon sitiyasyon ki pa bon pou timoun, ki danjere. Aprè ou reflechi pou yon ti moman, m ap ba ou kèk ide de ki jan ou ka retire kò w nan pwoblèm sa.

Sitiyasyon: Yon granmoun gason oubyen yon jenn gason ap bat pou l pase yon ti tan avè w, nou 2 sèl. Pafwa l ap pase w nan riz pou l ka jwenn ou pou kò w. Li gendwa di w l ap ba ou sirèt, yon kado oubyen yon lòt bagay si ou ale avèk li.

Pran yon ti poz pandan timoun yo ap reflechi sou sa yo dwe fè.

Page 177: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

172 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

KAnPE ABI SEKSYèLSeksyon 6 Leson 12

• Kisa ou sipoze fè?

Pa janm ale yon kote pou kont ou ak yon granmoun gason ni ak yon jennonm, sof si se yon moun ki fyab e lòt granmoun di ou mèt ale. Kò nou entèlijan anpil. Pafwa yo gen kèk santiman ki avèti nou sou moun oubyen sou yon sitiyasyon. Pafwa avètisman sa se yon vant-fè-mal oubyen nou santi nou mal-alèz. Fè atansyon si lespri w ap di w “veye kò w!” oswa “M pa alèz ak moun sa.” Se Bondye ki ban nou santiman sa yo pou nou pa tonbe nan danje.

Sitiyasyon 1: Yon granmoun oubyen yon timoun ki pi gran pase w fè w anbrase li oubyen bo li oubyen chita sou li, menm lè ou di ou pa vle. Oswa li manyen jenital ou oubyen li fè ou manyen pa l yo. Li gendwa eseye pase w nan riz pou fè w fè sa. Li gendwa di yon bagay konsa:

•“Sa se yon jwèt, e m vle ou jwe avè m.”

•“O, eskize m, se pa espre m fè, men m ki mal tonbe sou jenital ou.”

•“M bezwen manyen ou oubyen montre ou jenital mwen pou m ka anseye ou sou kò moun.”

•“M renmen ou e m vle fè w plezi.”

•“Ou pa bezwen pè. M pa p fè w mal.”

•“M granmoun. Ou oblije fè sa m di w fè.”

•“Pa di okenn moun sa, paske si ou di yo sa, yo pral kale ou e yo pap byen avè w ankò.”

•“Menm si ou di moun sa, yo pap kwè w.”

•“Si ou di moun sa, m ap touye ou menm oswa fanmi ou.”

•“Sa se fot pa w. Se ou ki abiye oubyen aji yon jan pou w fè m fè sa.”

•“Tout moun ki gen lespri ap fe sa.”

•“Ou renmen sa m ap fè a, sa vle di se fot ou. Ou move timoun.”

•“M bezwen fè bagay, oubyen m ap tonbe malad.”

•“Ou bezwen pratike fè bagay ak moun pou w ka vin fò ladan l.”

•“Si nou manyen yonn lòt sèlman, men nou pa fè bagay, sa bon, nou pa fè okenn mal.”

Pran yon ti poz pandan timoun yo ap reflechi sou sa yo dwe fè.

• Kisa ou sipoze fè?

Yon moun pa janm sipoze manyen pati kò ou ki prive, jenital ou. Di non epi kouri. Di yon lòt granmoun ke moun nan te vle fe ou yon mal. Si yon granmoun pa koute w, di yon lòt moun sa.

Page 178: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

173KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

KAnPE ABI SEKSYèL Seksyon 6Leson 12

Sitiyasyon 2: Yon moun di w pou w retire rad sou ou pou l ka fè foto ou. Li gendwa eseye pase w nan riz epi di w ke tout tan moun pa manyen w, pa gen okenn mal nan sa. Li gendwa ofri ou lajan oubyen kado menm.

Pran yon ti poz pandan timoun yo ap reflechi sou sa yo dwe fè.

• Kisa ou sipoze fè?

Di non epi kouri ale. Fè foto pati kò yon moun ki sipoze rete anba rad pa onore Bondye. Si yon moun fè foto jenital ou, oubyen lestomak ou, se paske li vle manyen ou yon fason ki pa pwòp.

Sitiyasyon: Gen fanmi ki dakò pou papa a, frè yo, tonton yo oubyen zanmi gason kouche ak pitit yo, oubyen kite pitit yo kouche ak moun pou lajan. Yo gendwa fòse ou kouche ak moun. Sa pa bon menm menm. Sa pa janm plan Bondye.

Pran yon ti poz pandan timoun yo ap reflechi sou sa yo dwe fè.

• Kisa ou sipoze fè?

Di yon granmoun ki fyab oubyen yon zanmi fanmi ou, yon pwofesè lekòl, yon enfimyè oubyen yon moun legliz la.

Si posib, bay chak timoun yon kopi de kote li ka ale si li an danje abi seksyèl, sa ou te pare avan klas la. Fè timoun yo konnen ke ou ka di yo kote pou yo ale si yo bezwen moun ede yo, si yo nan pwoblèm sa.

Sitiyasyon 3: Pafwa yo kidnape timoun oubyen yo pase yo nan riz pou fè yo kite lakay yo. Yon mesye gendwa di jenn moun ke li ka fè yo jwenn yon djòb ki peye anpil lajan nan yon vil, oubyen l ap montre yo kapital la epi mennen yo vin lakay yo ankò. Li gendwa di yon jenn fi ke li pral fè l rankontre mesye li pral marye a. Yo gendwa di yon timoun ke li pral kay yon fanmi li ke li poko konnen. Sa yo se gwo manti. Men nan ka sa yo, olye de bon bagay sa yo, se vann yo vann timoun nan pou moun ka kouche avèk li.

Pran yon ti poz pandan timoun yo ap reflechi sou sa yo dwe fè.

• Kisa ou sipoze fè?

Si ou pral rankontre yon fanmi ou ke ou pa konnen, oubyen yo pral voye ou kay yon moun ou pa konnen, fè yon granmoun ki fyab, yon moun lakay oubyen nan legliz la, konnen kote w prale. Mande yo vin jwenn ou si yo pa tande w aprè 2 jou.

Page 179: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

174 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

KAnPE ABI SEKSYèLSeksyon 6 Leson 12

• Ou bezwen sonje nimewo telefòn paran ou oubyen moun ki responsab ou. Si yo gen telefòn, aprann nimewo a pou w ka rele yo si ou nan move sitiyasyon kay yon lòt moun.

Si ou twouve tèt pa ou yon kote etranj, epi ou vin konprann ke yo vle w kouche ak yon moun, fè bri, fè bank. Si posib, kouri. Chache yon moun ki sanble ka ede ou epi ki ka ede ou.

Yon nòt pou ou menm, pwofesè:Li enfòmasyon sa pandan w ap prepare leson sa. Men di timoun yo enfòmasyon sa yo si yo mande oubyen poze kesyon sèlman.

Gen timoun ki gendwa mande poukisa yo abize timoun konsa. Reponn yon fason ki senp epi di yon bagay konsa: “Pafwa gen moun ki kwè nan manti sou jan yo sipoze kouche ak moun. Yo pa konprann ke gen yon bon fason ou ka manyen yon moun, epi gen de fason ou manyen moun ki pa bon, ki pa pwòp. Yo pa konprann jan abi seksyèl domaje timoun. Tout moun ki abize timoun ap fè Bondye mal. Moun sa yo bezwen padon Bondye.

“Si ou se yon moun ke yo te abize, li nòmal pou w fache oubyen menm rayi moun ki te abize ou an. Men, si w kenbe moun nan nan kè, ou rete fache e kenbe rayisans lan pou anpil tan, sa ap fè ou mal, e li ka menm fè ou malad. Mande Bondye ede ou lage rayisans ak kòlè ou. Aprè yon tan, Bondye ap antann li ak moun ki te abize ou an. Ou pa bezwen enkyete ou. Bondye pa mande w gen yon relasyon pwòch ak moun sa ankò.”

Li enpòtan ke timoun ki abize pa santi presyon pou yo padonnen moun ki te abize yo lamenm. Si nou di timoun yo ke yo bezwen padonnen moun ki te abize yo, oubyen si nou konsantre sèlman sou kòlè nou anvè moun ki te abize yo a, san nou pa konnen, nou ka minimize lapenn timoun nan. Yo gendwa santi ke nou pa konprann, ke nou pa pa konsènen nou ak sa yo soufri. Fò nou konsantre sou timoun nan, valè yo, e ede yo geri nan lapenn ke yo genyen an. Li enpòtan tou pou nou fè timoun yo konnen ke menm si yo padonnen oubyen lage kòlè anvè moun ki te abize yo a, sa pa vle di ke yo oblije pase anpil tan ak moun sa, ni mete tèt pa yo nan sitiyasyon danjere ak moun sa ankò.

Mete w pre pou si gen kèk timoun ki demontre renmen oubyen fidèlite anvè moun ki te abize yo a, oubyen si yo vle pase tan avèk yo. Timoun sa yo gendwa pa konprann ke se abize moun nan tap abize yo. Yo te gendwa renmen atansyon an oubyen menm kòman sa ki te fèt yo a te santi. Pou lòt tou, sèl sa yo te konnen se te abi konsa, e yo mete nan tèt yo ke yo pa merite pi bon ke sa. Yo abitye avèk abi a, e sa rekonfòte yo, menm si li fè yo mal.

2. Eksplore fason ou ka gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun pratike jan pou yo reponn nan sitiyasyon difisil.

Objektif nou nan aktivite sa se pou timoun yo ka pratike ki jan ki bon pou yo reyaji nan sitiyasyon ki danjere, pou yo ka prepare yo si sa ta rive yo tout bon vre.

Page 180: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

175KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

KAnPE ABI SEKSYèL Seksyon 6Leson 12

Kounyeya nou pral pratike ki jan nou ka saj e ki jan nou ka gen kouraj nan sitiyasyon ki difisil. M ap pale ou de yon sitiyasyon difisil. M ta renmen kèk timoun di kisa yo tap fè si yo te twouve tèt pa yo nan sitiyasyon sa yo. M ta renmen plizyè nan nou reponn a chak sitiyasyon ke m bay.

Ou menm, pwofesè, ou bezwen jije pou w wè si sitiyasyon sa yo bon pou aktivite sa yo, si yo pa twò avanse oubyen si timoun yo tap kriye oubyen fache, selon sa ou konnen de yo. Plizyè timoun ka bay yon ide pou chak sitiyasyon. Si ou panse timoun yo pa tap reponn, bay yon timoun ki li byen lis la, epi ou menm ou ka di ki jan pou yo reponn e reyaji.

• Yon granmoun ofri ou sirèt pou w ale avèk li pou kont ou nan yon chanm.

• Yon granmoun di w konsa, “Fò w fè sa granmoun di w fè; vin kouche avèk mwen. Se mwen menm ki granmoun. Se pou kouche sèlman ou bon.”

• Yon moun di w pou w bo e anbrase yon zanmi fanmi ou, menm si ou mal-alèz ak moun nan.

• Yo voye ou ale travay oubyen ale marye. Men, lè w rive kote yo voye ou an, ou vin konprann ke se vann yo vann ou pou w kouche ak moun.

• Yon moun di w li vle fè foto w toutouni paske ou bèl anpil. Yo di yo pral ba ou anpil lajan.

• Ou di yon granmoun ke yon lòt moun te manyen ou yon fason ki sal, men yo di se manti w ap fè.

3. Mennen vi w yon fason pou w ka gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun yo priye pou yon moun yo konnen ki sibi abi seksyèl.

Separe timoun yo nan gwoup de 4 timoun. Mande timoun yo priye pou lòt timoun yo konnen ki te sibi abi seksyèl, oubyen ki toujou viktim, menm si yo pa vle bay non yo.

Rete aprè klas jodia pou kont ou. Gendwa gen timoun ki vle pale avèk ou menm pou kont ou.

Page 181: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

176

Bondye Fè m SpesyalSeksyon 6 • Leson 13Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: M konnen ke Bondye fè m spesyal paske li gen yon plan pou lavi mwen.

Jodia timoun yo aprann idantifye talan e don ke Bondye gendwa sèvi lè yo pi gran.

Jodia timoun deside fè Bondye konfyans pou lavni yo.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Fèy oubyen kèk lòt materyèl pou yo fè yon kouwòn • Fèy, flè oubyen lòt objè ou dekorasyon

Yon lòt opsyon: • Kouwòn papye ki deja koupe (W ap jwenn patwon nan fen leson sa) • Kreyon desen • Tep oubyen yon klips • Si w vle: payèt, moso twal bèl koulè, bèl ti wòch piti, flè seche, fèy

Avan klas, sèvi ak fèy oubyen zèb pou w fè yon kouwòn. Si w ap sèvi ak patwon pou w fè kouwòn papye ki nan fen leson an, konplete yonn pou w ka montre timoun yo kòm yon modèl.

Yon nòt enpòtan pou ou menm, pwofesè:nan semènn ki sot pase yo, timoun yo aprann jan pou yo gen yon imaj pwòp de kò yo, yon fason pwòp pou yo manyen moun, ki jan abi seksyèl ka afekte moun, e ki jan yo ka aji ak kouraj e ak sajès nan sitiyasyon ki danjere. nou priye ke nenpòt timoun ki te sibi abi ka jwenn kouraj pou yo pale de sa ki te rive yo pou yo ka kòmanse geri.

Dènye leson sa a ap ankouraje timoun yo gen yon imaj pozitif de tèt pa yo. Bondye renmen chak timoun e li ba yo chak talan e don pèsonèl. Timoun ki devlope yon imaj pwòp e pozitif de tèt pa yo ap gen plis chans pou yo onore kò yo e chache moun pou ede yo lè yo twouve yo nan sitiyasyon ki danjere. Ankouraje timoun yo gen gwo objektif pou lavi yo ki baze sou konfyans yo nan Bondye. Bondye gen yon bèl plan pou lavi yo.

Pou w prepare leson sa, li liv Estè nan Bib la (Estè 1–10).

SONJE BYEN! Gen 4 bagay ke ou dwe kominike a yon timoun ki fè ou konnen ke li sibi abi seksyèl.

Page 182: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

177KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE Fè M SPESYAL Seksyon 6Leson 13

•Ou tande li.

•Ou kwè sa li di a.

•Sa ki rive li pa t bon.

•Ou vle pwoteje li.

Yon fason pou w kominike ke sa k te rive a pa t bon e ke ou vle pwoteje li, se pou w mete otorite okouran de sa ki te pase a. Malerezman, gen kote ke moun pa konsidere abi seksyèl yon move bagay pou moun fè lòt moun. Gen kote se timoun nan yo blame pou abi an. Gen anpil lòt rezon ke otorite yo gendwa pa envestige akizasyon ki fèt. Gen sitiyasyon tou kote timoun nan gendwa sibi plis abi. Paske li enpòtan pou w pwoteje timoun nan, ou dwe mete ou okouran de sitiyasyon kote ou abite a. Si sa aproprye, e si timoun nan ap benefisye de plis sekirite, ou dwe mete yo okouran de sa.

LÈ POU LESON AN1. Yon fason nou ka gen bon relasyon ak moun

Objektif: Timoun ap aprann ke Bondye ba yo anpil valè e ke li ba yo chak don spesyal.

Pou w kòmanse klas la, li vèsè sa pou timoun yo, si posib:

Eske ti zwazo pa vann senk pou dis kòb? Men Bondye pa bliye yon sèl ladan yo. Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte.

Se sa k fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.

Lik 12.6–7

• Esplike yon moun ki pi piti pase w kisa vèsè sa a vle di.

• Eske Bondye renmen moun ki wo plis pase moun ki kout?

• Eske Bondye renmen moun ki rich plis pase moun ki malere?

• Eske Bondye renmen moun ki klè plis pase moun nwa?

• Eske Bondye renmen moun ki an sante plis pase moun ki andikape?

• Eske Bondye renmen gason plis pase fi?

• Eske Bondye renmen fi plis pase gason?

Tout repons yo se “non!” Bondye renmen tout moun menm jan. Chak moun spesyal pou Bondye.

Page 183: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

178 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE Fè M SPESYALSeksyon 6 Leson 13

Bay timoun yo istwa Estè a. Sa se yon istwa kèk nan yo gendwa konnen deja. Pandan istwa a, ou ka kanpe detanzantan, epi kite yonn nan timoun yo bay yon pati nan istwa a, lèfini kontinye istwa ou menm, oubyen kite yon lòt elèv bay yon ti moso ankò.

Kounyeya m pral revize yon istwa sou yon jenn tifi Jwif ki pat gen ni manman ni papa, yon tifi ke Bondye te renmen anpil. Anpil nan nou konnen istwa sa a, men koute byen pou w wè si w pap tande yon bagay ou pat konnen deja.

Bondye te genyen yon travay enpòtan anpil ke li te bezwen yon moun fè, e li te chwazi yon jenn fi Jwif pou fè travay la pou li. Fi a te rele Estè. Estè te yon bèl jenn fi ki te abite nan yon peyi etranje.

Wa peyi a tap chache yon nouvo larenn. Li te rele tout jenn fi nan peyi a vini nan palè li pou l te ka chwazi larenn li pami yo. Estè se te yonn nan jenn fi ki te vini nan palè a, men li pat di okenn moun ke li te Jwif. Estè ak lòt jenn medam yo te abite nan palè a, e yo te pran anpil trètman pou kò yo pandan 1 an, trètman ki pou fè yo pi bèl toujou. Yo tap tann chans yo pou yo prezante devan wa a. Anfen se Estè ki te vin prezante devan wa a. Wa a te sitèlman renmen Estè ke li te chwazi li kòm larenn nan.

Pita, yon nonm ki te gen anpil pouvwa ki te travay ak wa a te vin fè yon konplo pou l touye tout Jwif nan peyi a. Malerezman, li menm pase wa a nan riz pou l fè wa a siye yon lwa ki pou pèmèt nonm nan touye tout jwif yo. Sonje, wa a pat konnen si Estè te yon Jwif tou. Kouzen Estè, Madoche, te di Estè pou l al sipliye wa a e mande l pitye pou l sove pèp Jwif la. Estè te pè anpil pou l di wa ke li te Jwif. Li te konnen yo gendwa touye l tou. Men, li pran kouraj, e li pale ak wa a. Bib la di nou kisa ki te pase.

Wa a pwomèt Estè nenpòt sa li vle. Estè di konsa, “Si ou renmen m, sove lavi mwen, sove lavi pèp mwen an. Se sa m vle. Gen yon lwa ou siye ki pral fè yo touye nou tout. Pa gen nan nou k ap rete menm.”

Kisa ou panse wa a te fè? Li sove lavi Estè ak tout pèp Jwif la. Mesye ki te fè konplo pou l touye Jwif yo, se li menm yo touye pito.

Bondye te pran yon jenn fi ki pa t gen ni manman ni papa, Estè, pou l vin tounen larenn yon gwo wayòm. Sa pat yon aksidan ke Estè te vin larenn. Bondye te gen yon plan pou lavi li. Li te sèvi ak Estè pou l sove pèp Jwif la. Se Estè ki te gen pou l deside si li vle fè sa Bondye te di l fè a. Estè te deside gen kouraj, e li te ka menm pèdi lavi li, men li te swiv Bondye e sove pèp li an.

Wa a te renmen Estè, li te koute sa Estè te di li, e li te pwoteje li. San dout Bondye te kontan ak sa wa a te fè. Bondye vle pou mesye trete fanm ak respè. Bondye renmen ni fi ni gason menm jan. Bondye vle sèvi ak ni gason ni fi pou l akonpli volonte li. Li te sèvi ak Estè pou l akonpli gwo bagay.

Page 184: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

179KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE Fè M SPESYAL Seksyon 6Leson 13

2. Eksplore yon fason pou nou gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun idantifye don ke Bondye ba yo.

Bondye te fè nou tout spesyal, menm jan ak Larènn Estè. nou pral selebre jan nou menm nou spesyal e nou pral mete kouwònn nan tèt nou. n ap fè kòm si se te bèl kouwònn ke Larènn Estè oubyen wa a te mete. Bondye gen yon plan spesyal pou lavi nou chak.

Fè timoun yo fè 2 lin ki bay lòt la fas. Fè premye timoun nan yonn nan lin yo mete ajenou. Fè timoun ki anfas li mete kouwònn nan tèt sa k ajenou an epi di konsa, “M kouwonnen ou spesyal devan Bondye.” Sa ki ajenou an ka mete yon flè oubyen kèk dekorasyon nan kouwònn li. Aprè sa l ap leve, epi lòt la (ki te plase premye kouwònn nan) ap mete ajenou, epi sa k anfas li ap fè menm jan. L ap di, “M kouwonnen ou spesyal devan Bondye.” Epi sa k ajenou an ap mete yon flè oubyen yon fèy nan kouwònn li. Aprè sa, pase nan 2 timoun swivan yo pou yo fè menm jan, e kontinye ak tout klas la.

Paske ou spesyal pou Bondye, li ba ou kèk fòs, kèk don, pou w ka fè gwo travay enpòtan pou li. Yonn nan don Estè yo se te kouraj.

• Ki don ou menm ou genyen?

Men kèk don ou gendwa genyen:

Yon kè plen jwa Ou onèt Ou fè zanmi fasil Ou fè moun ri

Ou fyab Ou renmen moun Ou gen kè kontan Ou envantif

Ak dwat ou, ekri don pa ou sou fwon ou. Pa gen lòt moun k ap ka wè sa ou ekri, men don sa ap la pou Bondye ka wè li.

Konsèy pou Pwofesè: Asire ke tout timoun yo patisipe. Si yon timoun pa ka panse ak yon don ke li genyen, ou menm oubyen lòt timoun ka ede li panse ak yonn. Ankouraje timoun yo kwè nan tèt pa yo.Yon lòt opsyon:

Timoun yo ap fè kouwònn papye. Bay timoun yo kouwònn ke ou te koupe avan klas, avèk moso papye pou yo atache sou kouwònn nan pou l ka rete nan tèt yo. Y ap bezwen pa-pye, kreyon desen, ak klips pou yo dekore kouwònn yo an. Si ou gen lòt ti bagay yo ka sèvi pou yo dekoure kouwònn yo, mete yo deyò pou timoun yo.Timoun yo sipoze ekri yonn nan don yo nan kouwònn nan. Lè yo fini, fè tout timoun yo kanpe nan yon wonn ak kouwònn yo nan tèt yo.

Fen opsyon

Page 185: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

180 KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE Fè M SPESYALSeksyon 6 Leson 13

3. Mennen vi w yon fason pou w gen bon relasyon ak mounObjektif: Timoun ap chante pou yo selebre bèl plan ke Bondye gen pou lavi yo.

Bondye vle pou w genyen yon bèl avni tankou Larènn Estè. Li te ba ou don ou genyen yo paske li gen yon objektif e plan enpòtan pou lavi nou. Si ou pèmèt li, l ap sèvi ak don ke l te ba ou yo pou w ka sèvi li. W ap sezi sa Bondye ka fè ak lavi ou. Koute vèsè sa:

Se mwen ki konnen sa m gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Senyè a k’ap pale.

Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n’ap tann lan.

Jeremi 29.11

Yon lòt opsyon, si w gen tan:

Estè te gendwa pa janm imajine ke li tap vinn larènn yon gwo peyi. Lè l te gen menm laj avè w, li te yon jenn fi ki pat gen ni manman, ni papa.

• Kisa ou panse ou gendwa fè pou Bondye lè ou grandi? Panse ak sa ou fò ladan l, epi panse ak yon bagay ou ta fè ak sa lè ou grandi.

Bay timoun yo yon egzanp. Si ou fò nan matematik, ou gendwa vin Ministè de Finans pou tout peyi a yon jou. Ou te ka fè travay la yon fason ki onèt pou w onore Bondye.

Pase nan tout klas la, e fè timoun yo di kisa yo panse yo ta ka fè lè yo grandi. Lè tout moun fini, tout klas la dwe bat bravo.

Fen opsyon

Kelkeswa bagay terib ou bagay tris ki te rive w nan lavi w, lavni ou gen anpil espwa ladan l.

Li vèsè a pou timoun yo ankò.

Page 186: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

181KOnSAnTRE SOu RELASYOn AK LòT MOun

BOnDYE Fè M SPESYAL Seksyon 6Leson 13

Se mwen ki konnen sa m gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Senyè a k’ap pale.

Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n’ap tann lan.

Jeremi 29.11

Fè yo toujou mete kouwònn yo, e fè yo chante kèk ti kè pou bay Bondye lwanj. Pandan y ap chante, fè yo panse ak jan yo spesyal nan je Bondye. Fèmen ak lapriyè.

Senyè nou an, nou di w mèsi ke ou fè nou chak spesyal, e ou ban nou chak don diferan. Ou gen yon plan pou lavi nou chak. Nou di w mèsi ke ou gen bèl plan pou lavi nou chak e ke w ap toujou pran swen nou. Nou priye w konsa nan non Jezi, amèn.

Page 187: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 188: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 189: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 190: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 191: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

Materyèl sa yo pou fòmasyon timoun te kreye ak kowoperasyon Hands & Feet ak David C Cook. Yo lisansye e nou pèmèt moun sèvi avèk yo a nenpòt legliz ou ministè Kretyen. Tout izaj deyò sa nou mansyone la, ann Ayiti oubyen lòt peyi, sipoze mande David C Cook pèmisyon. Yo mèt email [email protected]. ©2017 David C Cook. Tout dwa mondyal rezève.

Istwa nan Bib la Kalite Karakte Ki pou Devlope

Antann Ou Byen ak Moun

Atik Siplemantè: Abi Vèbal

Atik Siplemantè: Eske Timoun Sa Pap Janm Chanje?

Leson 9Fè Diskisyon epi Antann Ou

Leson 1Priyè k ap Koute 1

Leson 5Pèseverans: Plan Bondye pou

Lavi Mwen

Atik Siplemantè: Tifi Ki Pèsekite Lòt Tifi

Leson 2Priyè k ap Koute 2

Leson 6Pèseverans: Swiv Bondye pou tout Tan

Leson 10Sispann Entimide e Maltrete

Lòt Timoun

Leson 3Priyè k ap Koute 3

Leson 7Pèseverans: Kite Lòt Moun Ede Mwen

Leson 11Entèlijans Emosyonèl 1

Leson 4Priyè k ap Koute 4

Leson 8Pèseverans: Akonpli Objektif Mwen

Leson 12Entèlijans Emosyonèl 2

Leson 13Entèlijans Emosyonèl 3

Kisa Ou Pral Anseye nan Seksyon Sa

Seksyon 7ESPWA POU AYITI

MISYON HANDS AND FEET PROJECTDezyèm Ka Ane a

Yon pwogram leson en Kreyòl pou timoun a risk

Page 192: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

187

Atik Siplemantè

Abi VèbalCarey Sturgeon

Nan seksyon k ap vini an, ou pral mennen timoun aprann jan pou yo koute Bondye nan lapriyè. Pratik sa gendwa ede timoun ki sibi abi vèbal. Lè yo tande Bondye, sa ka ede geri lapenn ke yo soufri poutèt move bagay ke moun di yo. Y ap aprann ke vwa Bondye janti, li pa janm abize nou. Si nou konprann jan yon moun ka abize timoun ak pawòl li e efè ke li genyen sou timoun, sa ka ede nou konprann bezwen timoun genyen pou dyalòg pozitif.

Abi vèbal domaje timoun otan ke abi fizik oubyen abi seksyèl. Timoun sansib anpil. Yo jije tèt pa yo selon pawòl lòt moun. Lè moun abize timoun ak pawòl yo, sa fè timoun nan panse li pa gen valè. Sa ka koz pwoblèm emosyonèl pou rès lavi timoun nan.

Gen timoun ke yo abize konsa ki pa menm konnen ke moun ap abize yo. Yo gendwa panse ke li nòmal pou moun pale konsa ak timoun.

Pafwa moun k ap abize timoun di timoun nan ke li te merite abi a oubyen ke li te menm mande sa. Lè yon moun ap abize yon timoun konsa, se pa janm fot timoun nan.

Kisa ki rele Abi Vèbal?

Yon moun abize lòt moun ak pawòl li si li fè yonn nan bagay sa yo souvan:

•Ensilte yon timoun; rele l non ki sal oubyen pa janti

•Fe timoun wont, oubyen ensilte li. Pa egzanp, di yon timoun ke li pa bon, ke li pa gen valè, ke li se yon defo.

•Fè konparezon negatif ak lòt moun. Pa egzanp, si yon moun di yon timoun yon bagay tankou, “Ti gason sa pi fò pase w. Li fè w parèt sòt.”

• Joure oubyen rele nan tèt yon timoun.

•Di ke ou pral kite oubyen abandonen yon timoun.

•Di yon timoun ke ou pral bat li.

•Blame yon timoun pou pwoblèm oubyen sikontstans lavi ou. Pa egzanp, si yon moun di yon timoun, “Lavi m tap pi bon si w pat ladan l.”

•Abize yon timoun fizikman oubyen vèbalman devan lòt moun.

Ki jan Abi Vèbal afekte timoun?

Timoun ki sibi abi vèbal gendwa fè eksperyans efè sa yo kounyeya. Gen nan efè sa yo ki gendwa rete ak timoun nan jouk li granmoun.

Page 193: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

188 ATIK SIPLEMANTè

ABI VèBAL

Timoun sa yo santi yo fache, yo pè, yo tris, yo wont, yo blame tèt pa yo, oubyen yo enkyèt. Yo twouve li difisil pou yo jere emosyon yo. Yo pa gen konfyans nan tèt pa yo, yo pa renmen tèt pa yo, e yo panse yo pa bon.

Timoun ki sibi abi vèbal gen difikilte pou yo fè moun konfyans e pou yo fè zanmi. Yo pa jwe byen ak lòt timoun. Yo gendwa maltrete lòt timoun. Yo pa vle fè anpil tan ak lòt timoun.

Timoun sa yo gendwa gen pwoblèm ak devwa lekòl oubyen yo gendwa abize dwòg ak alkowòl. Yo gendwa blese tèt pa yo e frape, zongle, grate oubyen koupe tèt pa yo. Yo gendwa fè atant a pann tèt pa yo.

Timoun ki sibi abi vèbal souvan devni viktim abi nan lòt relasyon ke yo genyen etan ke granmoun tou.

Poukisa gen moun ki abize lòt moun?

Si nou konprann poukisa kèk moun abize lòt moun, sa ka ede timoun yo geri. Sa pa vle di ke sa moun nan te fè bon ni sa pa vle di ke sa pa t frape lòt moun. Gen moun ki abize lòt moun paske:

•Yo menm yo te sibi abi tou.

•Yo pa konn ki jan pou yo eksprime sa yo santi.

•Yo pa konn ki jan pou yo rezoud pwoblèm yo san yo pa vin fache.

•Yo sèvi ak dwòg oubyen alkowòl. Sa fè l difisil pou yo kontwole pawòl ak santiman yo.

•Yo gen kèk maladi mantal ki fè l difisil pou yo metrize konpòtman yo.

Ki jan ou ka ede yon moun geri ki te abize?

Rasire yo ke yo gen valè. Raple yo ke Bondye renmen yo. Yo presye pou li e yo gen anpil valè pou Bondye.

Ankouraje yo e louwe yo pou sa yo fè ki bon.

Anseye yo konprann lè yon moun ap ede yo e ba yo kèk konsèy oubyen kritik ki pou ede yo. Lè yon moun ap ba yo yon kritik ki pou ede yo, y ap fè sa pou ede timoun nan devni yon granmoun ki ka reyisi. Lè w ap bay yon timoun yon kritik konsa ki pou ede li, fè sa an prive, pa devan lòt moun. Si sa w di a gen verite, si li konsantre sou konpòtman li, e si l ede timoun nan reflechi, sa ka ede yo chanje pou le byen.

Pèmèt timoun pale sou ki jan abi vèbal fè yo santi e ki jan li afekte yo.

Di timoun yo ke yo ka geri ak èd Bondye.

Repete tout bagay sa yo anpil fwa. Se nouvo panse w ap bay timoun nan de tèt pa li.

Page 194: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

189

Priyè k ap Koute 1Seksyon 7 • Leson 1Konsantre sou Fòmasyon Spirityèl

Tèm: Avan yo te fèt, Bondye te wè chak timoun e te renmen yo chak.

Jodia timoun yo aprann ki jan Bondye santi l anvè yo menm.

Jodia timoun deside koute kisa Bondye pral di yo menm pèsonèlman.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Papye • Kreyon

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Bondye renmen Izmayèl. Jenèz 16; 21.1–21.

Objektif: Timoun pral tande ki jan Bondye te renmen Izmayèl, menm jan li renmen chak timoun nan klas la.

• Eske nou ka di m kèk emosyon ke moun santi chak semènn?

Ou gendwa di kèk pou w kòmanse fè timoun yo pale—pa egzanp, fache, kontan… Ankouraje timoun yo bay emosyon ki ni pozitif, ni negatif.

Esplike ke jodia timoun yo pral tande istwa yon ti gason ki te fè eksperyans anpil emosyon negatif. Li te rele Izmayèl.

Konsèy pou Pwofesè: Si elèv ou yo te etidye Abraram kèk mwa pase, yo gentan konnen yon ti kal de Izmayèl. Yo dwe chache kèk nouvo bagay pou yo aprann. Tout sa ki nan Bib la aktif e li vivan. Menm istwa ke timoun yo gentan konnen gendwa frape yo nan yon nouvo fason, sitou si nou pran yon ti poz pou nou envite Sentespri a antre moman istwa a. Priye ke li va ede timoun yo sansib a fason ke li vle touche yo.Bay istwa sa ak anpil ekspresyon.

Te vin gen kont ak diskisyon nan kay la menm avan Izmayèl te fèt. Tout sa te kòmanse pa lontan aprè manman li vin konnen ke li ansent.

Page 195: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

190 KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 1Seksyon 7 Leson 1

Men pwoblèm nan: Aga, manman Izmayèl la, pat marye ak papa Izmayèl la, Abraram. Aga te yon sèvant nan kay la, e yon etranje ankò. Madanm Abraram te rele Sara. Men Sara pat ka fè timoun.

Sara te panse ke li tap bon pou Abraram fè yon timoun ak Aga. Men aprè Aga vin ansent, ide a pa sanble yon bòn ide ankò. Sara ak Aga te toujou nan kont. Yon jou lè yo tap fè diskisyon, Sara di ase. Li maltrete Aga, epi Aga sove ale nan mawon.

Aga pat gen okenn fanmi pou l al jwenn. Li te yon etranje byen lwen peyi li. Men li te sitèlman pa kontan ke li pito rete pou kont li nan dezè a ke bò kote Sara. Se konsa, li kouri al nan mawon nan dezè a. Li jwenn yon ti sous pou l repoze.

Eske ou ka imajine jan Aga te santi li? Li te gendwa pè. Petèt li te santi yo abandone li. Li santi yo trayi li. Li te gendwa fache.

Petèt li gendwa mande, “Kounyeya ki moun ki pral pran swen mwen? Kisa ki pral rive ti bebe sa ki nan vant mwen? Eske mwen menm ak ti bebe m pral mouri?”

Men pandan Aga tap chita la, gen yon bagay etonan ki rive. Senyè a te vin pale avèk li.

“Aga, kote w prale?” Senyè a mande.

“M nan mawon pou metrès mwen.” Aga reponn.

“Retounen al jwenn li, epi fè sa l di w fè a,” Senyè a di li. Senyè a te fè Aga konnen ke ni li ni ti pitit la te enpòtan anpil pou li.

“M te tande mizè ou, Aga.” Senyè a di. Li di Aga ke li tap pral akouche yon ti gason. Li di pou l ba li non Izmayèl, ki vle di, “Bondye tande.” Li te pwomèt li ke li tap sitèlman gen anpil desandan ke li pa tap ka konte tout. Ala yon bèl pwomès pou yon fanm ak ti bebe ke lezòm rejete!

Bondye te gentan wè ki jan moun te maltrete Aga. Aga ak pitit la pa tap mouri vre! Bondye te konsènen li ak sa ki tap rive yo.

Aga te sezi. “Bondye wè m!” Aprè sa, li toujou rele Bondye “El Roi,” ki vle di “Bondye wè m.” Aga di konsa, “Ou se Senyè ki wè m. Kounyeya m wè li menm ki wè m tou.”

Aga obeyi El Roi e li retounen al kote Abraram ak Sara. Aprè kèk mwa, Izmayèl fèt. Pandan kèk ane, tout moun antann yo byen. Izmayèl te renmen lefèt ke li te sèl pitit papa li, Abraram. Men yon jou, yon mirak fèt. Sara te fin granmoun nèt, men Bondye te ba li yon pitit tou. Sa te fè Sara kontan anpil. Men Izmayèl pat kontan. Li pat sèl pitit gason papa li ankò. Izmayèl pat vle wè nouvo bebe a.

Ou ka imajine ke toulède manman yo pat kontan pou sa. Avan twò lontan, Aga ak Sara te nan kont ankò. Sara te al kote Abraram pou l plenyen. Li te vle ranvwaye Aga ak Izmayèl. Sa te fè Abraram tris anpil. Li te renmen Izmayèl. Men Bondye te di

Page 196: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

191KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 1 Seksyon 7Leson 1

Abraram ke li tap pran swen Izmayèl. Se konsa, Abraram pran manje ak dlo, li bay Aga yo, epi li voye yo ale.

Yo tounen nan dezè a ankò. Toulède te tris anpil. Menm si li pat di Izmayèl sa, Aga te sèten ke fwa sa nan dezè a, yo tap mouri. Lè dlo yo a fini, li chache yon kote pou yo repoze. Li pa t ka jwenn dlo menm, se konsa li mete Izmayèl anba yon ti pyebwa pou l ka rete nan lonbraj. Aprè sa, li ale yon ti jan lwen Izmayèl, paske Aga pat vle wè lè pitit li mouri.

Men kote yo toulède te ye, Izmayèl ap kriye anba lonbraj pyebwa a, Aga yon ti jan pi lwen, ap kriye tou. Kisa ou panse ki te pase aprè sa?

Eske ou sonje kisa non Izmayèl vle di? Li vle di, “Bondye tande.” Eske ou sonje kisa El Roi, non Aga te bay Bondye a, te vle di? Li vle, “Bondye wè m.”

E si ou panse ke El Roi te vin ede yo ankò, ou gen rezon!

Bondye te tande kri ti gason an e te rele Aga depi nan syèl la. Li di l konsa, “Kisa ki genyen, Aga? Ou pa bezwen pè. M tande ti gason an ki kouche la ap kriye. Leve l, pran men li. M pral fè l tounen yon gran nasyon!” Aprè sa, Bondye te ede Aga wè sa li pa t ka wè avan—yon pwi dlo! Li ale nan pwi a, li bay Izmayèl bwe dlo.

Aprè jou sa, menm kon yo te abite nan dezè a, Bondye te toujou ak Izmayèl. Li ak Aga te gen manje paske Izmayèl te aprann fè lachas. E yo te gen dlo pou yo bwè tou. El Roi te montre yo yon pwi.

Bondye te wè yo. Li te tande yo. Menm avan Izmayèl te fèt, Bondye te wè li, e te montre ke li renmen li. Eske ou konnen ke li renmen ou konsa tou?

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap pale sou istwa a e sou ki jan Bondye tande e wè yo menm tou.

Ankouraje timoun yo pale sou istwa a.

• Eske te gen pati nan istwa sa ki fè w sezi? Kisa yo te ye?

• Kisa ou panse Izmayèl ak manman li te santi nan diferan moman nan istwa a?

• Panse ak bon emosyon ak emosyon negatif tou.

• Ki jan Bondye te montre yo ke li te konsènen li ak sa yo te santi?

• Eske ou ka panse ak yon lè ou te santi ou sèl oubyen ou te pè oubyen tris? Eske ou panse Bondye te wè ou oubyen li te tande ou lè sa? Kisa ou panse Bondye te panse de ou nan moman sa?

Ankouraje plizyè timoun pale. Si pa gen moun ki pale, ou ka bay yon istwa nan lavi pa ou.

Page 197: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

192 KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 1Seksyon 7 Leson 1

3. Mennen vi w ak pawòl BondyeObjektif: Timoun ap ekri yon lèt pou yo di Bondye ki jan yo santi yo.

Eske ou te konnen gen plizyè fason nou ka pale ak Bondye e plizyè fason pou nou koute li? Nou gendwa priye pou tout moun tande. Nou ka priye nan kè nou tou. Nou ka ekri lapriyè nou, nan yon lèt. E ou ka koute pou w tande pawòl Bondye tou. Annou eseye sa kounyeya.

Ankouraje timoun yo reflechi sou kisa yo tap di Bondye de yo menm, de lapenn ak lajwa ke yo genyen, si yo tap ekri yon lèt bay Bondye.

Yon lòt opsyon:

Timoun yo ka ekri yon lèt bay Bondye. Bay chak timoun yon kreyon ak yon fèy papye. Ankouraje timoun yo ekri nan lang matènèl yo, lang yo pale lè yo priye. Aprè, yo ka imajine Bondye kap li lèt pa yo.

Envite timoun yo li lèt yo pou klas la, men sèlman si yo vle. Asire yo ke sa yo ekri pou Bondye e sa Bondye di yo se bagay pèsonèl, e pa gen lòt moun ki bezwen tande sa. Men si yo ta vle di klas la sa yo ekri pou Bondye, yo ka li yo, si yo vle.

Fen opsyon

Gendwa te gen yon moman nan lavi ou kote ou te anvi konnen kisa Bondye te panse de ou. Eske ou ka panse ak yon lè ou te gen kèk gwo santiman (tristès, kòlè, ou te santi w sèl, ou te santi w mal-alèz, etc.)? Ou gendwa panse ak yon bagay ki te rive jodia oubyen semènn sa, oubyen sa te gendwa rive byen lontan, menm lè ou te ti bebe. Nan lespri w, ekri yon lèt bay Bondye sou sa ki te pase, e sou ki jan ou te santi w. Pandan w ap fè sa, panse ak Bondye kòm yon Papa ki renmen ou anpil, e yon bon Zanmi, paske li se toulède bagay sa yo. Li plis ke sa menm! Ou pa bezwen pè ouvri kè w bay Bondye. Li konsènen li ak tout sa ou santi.

Aprè ou fini lèt ou pou Bondye, pran kèk moman ou w chita an pè. Imajine Bondye k ap li lèt ou ekri a. Eske ou ka wè vizaj li? Eske ou ka imajine sa li santi?

Mande l pale avèk ou. Kisa ou tande l ap di pou l fè ou repons? Eske ou ka tande amou ke li genyen pou ou? Ki ekspresyon ki nan vizaj li? Eske ou ka santi jan li renmen ou?

Konsèy pou Pwofesè: Fè yon anviwònman pou timoun yo reflechi, e anpeche elèv yo chichote oubyen fè lòt bri. Souri e rete kalm pou w ka kenbe atmosfè a pozitif.Fèmen leson an e di Bondye mèsi paske li wè, li tande, e li renmen tout pitit li yo, depi moman yo vivan nan vant manman yo jouk kounyeya e pou tout tan.

Page 198: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

193

Priyè k ap Koute 2Seksyon 7 • Leson 2Konsantre sou Fòmasyon Spirityèl

Tèm: M gen valè. M se yon timoun ki presye pou Bondye.

Jodia timoun yo aprann ke Bondye ap ede yo fè eksperyans verite de ki jan li panse de yo.

Jodia timoun deside sispann kwè manti sou tèt pa yo, e konprann ke Bondye ba yo valè e li renmen yo.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Yon tablo oubyen yon gwo fèy papye pou w ekri “Mefiboshèt”.

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Bondye pran swen Mefiboshèt.

2 Samyèl 4.4; 2 Samyèl 9.1–13Objektif: Timoun pral konprann diferans ant ki jan Bondye te wè Mefiboshèt, e ki jan Mefiboshèt te wè tèt pa li.

Si posib, sou yon tablo oubyen yon gwo fèy papye, ekri non ti gason ki nan istwa nou jodia, Mefiboshèt. Si ou pa kapab, eple non an pou timoun yo. Fè timoun yo repete non an yo menm. Yo gendwa ri pandan y ap eseye prononse non difisil sa. Aprè kèk nan yo eseye (menm si yo pa di l byen), di yo ke se vre, se yon non ki difisil anpil. Prononse l pou yo: Me-Fi-Bo-Shèt. Fè yo repete l aprè ou 2 ou 3 fwa. Mande yon timoun si l ka di l 3 fwa byen vit. Si lòt timoun vle eseye, kite yo fè l tou. Pa pran plis ke 3 minit pou aktivite sa.

Konsèy pou Pwofesè: Ti aktivite konsa bon pou w ouvri klas la, men yo gen yon objektif enpòtan tou. Yo bay klas la yon ton ke moun ka fè zanmi la, e ke lè timoun yo patisipe, li fè klas la pi bèl.Li istwa sa oubyen rakonte li pou elèv yo.

Mefiboshèt te yon prens. Granpapa li te Sayil, premye wa Izrayèl la. Tout moun te panse ke papa li, Jonatan, tap pran twòn nan aprè papa li. Men menm lè li te ti

Page 199: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

194 KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 2Seksyon 7 Leson 2

gason, li te gendwa reve jou ke li menm li tap wa tou. Men lavi kontan Mefiboshèt la te detwi yon jou.

Mefiboshèt te gen 5 an nan jou sa, yon jou li pa tap janm ka bliye. Nouris li te vin kote li, byen ajite, e di l konsa, ”Fè vit! Lèdmi papa w yo touye li menm ak granpapa ou nan batay! Yo ka vin dèyè ou tou! Fò nou ale nan mawon kounyeya!” Li leve Mefiboshèt byen vit pou l kouri pati avèk li. Men nan prese a, nouris la bite ak Mefiboshèt. Mefiboshèt tonbe, toulède pye l kase, epi li vin kokobe, li pa t janm ka mache ankò.

Nou pa konnen ki jan, men Mefiboshèt te sove, li echape palè a avan yo vin touye li. Men lavi li te chanje nèt. Pi mal ke doulè pye li se te kè li ki te kase. Granpapa ansanm ak papa li, ke li te renmen, toulède mouri. Fanmi li ak avni li gate. Li vin tounen yon òfelen ki kokobe. Non sèlman li pèdi pozisyon li kòm prens, men menm moun komen yo pa vle wè l nonpli.

Yon nonm ki rele Maki te pran Mefiboshèt lakay li, e se la li te leve. Bib la pa di nou kisa Mefiboshèt te panse, men nou ka imajine ki jan li tap santi li nan sikonstans sa yo. Menm lè li te nan sekirite, li te gendwa pa sitèlman kontan. Pandan li grandi, li te gendwa gen anpil panse ki te fè l mal. Kisa ou panse yo te ye? Li te gendwa mande, “Eske m ap gen zanmi? Eske m ap toujou gen yon kote pou m rete? Eske m ap oblije mande charite? Ki travay yon kokobe ka fè? M pa pi bon pase chen, non.”

Men devan Bondye, Mefiboshèt pat yon chen. Li te gen anpil valè, e se te yon gason ke Bondye te renmen anpil. Men Mefiboshèt te gendwa pa wè sa konsa. Petèt moun ki te bò kote l pa t wè l konsa nonpli. Yo te gendwa meprize li. Yo te gendwa fawouche li. Li difisil lè yon moun pa gen manman ak papa. Li pi difisil menm si ou kokobe ankò.

Men, andepi de panse tris Mefiboshèt, Bondye te toujou pran swen li. Mefiboshèt te abite lakay Maki, se la li te grandi, se la li te granmoun.

Nan menm tan sa, Bondye te pran yon bon moun pou wa sou Izrayèl, se te David. Wa David ak Jonatan, papa Mefiboshèt, te bon zanmi. David te kriye anpil nan jou Jonatan te mouri a, nan jou Mefiboshèt te kokobe e te pèdi tout fanmi li. David te sonje bon zanmi li anpil.

Yon jou, Wa David tap reflechi sou David ak sou Sayil. Li te rele yon domestik lakay li ki te rele Ziba.

“Eske pa gen moun nan fanmi Sayil ki rete, ke m ka fè kichòy pou li?” David te mande Ziba.

“Gen yon pitit gason Jonatan. Li kokobe nan de pye l.” Ziba reponn.

“Mennen l ban mwen.” David kòmande.

Aprè yon ti tan, Mefiboshèt vin twouve li nan palè Wa David. Li te gendwa pè anpil.

Page 200: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

195KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 2 Seksyon 7Leson 2

Pandan li ajenouye li devan wa a, li gendwa panse, “Sa pou wa fè m menm? M pa sipoze vin la. M pa konn sa pou m di. Sa pa bon menm.”

Men Mefiboshèt sezi pou l wè ke David tap rasire li. David di l konsa, “Ou pa bezwen pè. M pral aji byen avèk ou poutèt papa ou Jonatan. M ap remèt tout tè ki te pou granpapa ou Sayil, e chak jou, w ap vin manje sou tab avèk mwen.”

Gade yon bèl nouvèl! Gade bèl favè li montre Mefiboshèt! Li remèt li tout tè ki te pou granpapa li? Anpil tè, wi! Mefiboshèt tap rich! Li pa tap janm bezwen enkyete li pou travay ankò. Epi l ap manje sou tab wa a? Gade jan David onore li!

Men se pa panse sa yo ki te premye pase nan tèt Mefiboshèt. Okontrè, li te toujou panse mal de tèt pa li, e te toujou ap kondannen tèt pa li.

Li di wa a konsa: “Poukisa pou w ta okipe w de yon chen mouri tankou m?”

Men David pa okipe sa. Li te konnen ke Mefiboshèt pa t yon chen mouri. Li te konnen ke Bondye te renmen li anpil e te vle pou David demontre li amou sa.

David di Ziba konsa, “M remèt Mefiboshèt tout tè ki te pou Sayil yo. Travay tè a pou li epi pote rekòlt yo pou li ka toujou gen manje. Fè sèten tou ke Mefiboshèt toujou la pou l manje. Li pral manje sou tab avè m, menm jan ak pitit pa m yo.

E se sa menm ki te pase vre. Aprè jou sa, òfelen kokobe sa te viv tankou yon prens ankò.

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun pale sou istwa a e ki jan Bondye wè yo.

Ankouraje timoun yo pale sou istwa a.

• Ki pati nan istwa a ou te pi renmen?

• Eske ou te remake ke te gen 2 jou ki te chanje lavi Mefiboshèt? Ki 2 jou yo te ye? Ki jan yo te chanje lavi li?

• Ki valè yon chen mouri genyen? Poukisa ou panse Mefiboshèt te konpare tèt pa li ak yon chen mouri?

• Eske ou janm gen ide de tèt pa ou jan Mefiboshèt te genyen?

• Eske ou panse Bondye dakò avèk ou lè ou panse konsa de tèt pa ou? Poukisa?

Li oubyen mete sa yo nan pawòl pa ou.

Lè nou fè kèk move eksperyans, Satan, lèdmi nou, bat pou l sèvi ak eksperyans sa yo pou l fè nou kwè manti sou tèt pa nou. Nou kwè manti tankou, “M pa gen valè. M pa

Page 201: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

196 KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 2Seksyon 7 Leson 2

gen espwa. Tout vi m madichonnen. M pa ka fè anyen byen. Pa gen moun ki renmen m, menm Bondye.” Se sa Satan te fè Mefiboshèt. Li te bat pou l fè Mefiboshèt panse ke li te tankou yon chen mouri.

Men Bondye pa t vle pou Mefiboshèt kwè manti sa yo. Sa poutèt sa Bondye te fè David demontre l renmen. E Bondye pa vle pou w kwè manti sou tèt pa ou nonpli. Bondye ap ede ou fè eksperyans verite de sa li panse de ou, si ou kite l fè sa.

3. Mennen vi w ak pawòl BondyeObjektif: Timoun pral pale ak Bondye sou yon manti yo te gendwa kwè de tèt pa yo, e yo envite l montre yo verite a.

Pafwa ka gen nan nou ki kwè manti sou tèt pa nou. Pi fò moun fè sa. Men Bondye vle pou w konnen verite a, e li ap di w verite a si ou koute li nan lapriyè, si ou mande l. Men ki jan ou ka fè sa.

Eske ou gentan konnen kèk manti ke w kwè de tèt pa ou? Si wi, oke. Si non, mande Bondye revele ou yo. Ou gendwa di, “Bondye, m pa vle kwè anyen sou tèt pa mwen ki pa verite. Silvouplè montre m nenpòt manti ke m mete nan tèt mwen.” Epi tann an silans pou Bondye montre ou yo. Pa egzanp, “M pap janm ka fè anyen byen pou tèt pa m.” oubyen “Pèsonn pa renmen m vre.”

Pafwa li ede pou nou mande Bondye kilè ou te premye kòmanse kwè manti sa. Pa egzanp, Mefiboshèt te gendwa kwè nan manti sou tèt pa li nan jou ke l te kokobe e jou l te pèdi tout fanmi li. Ou ka mande Bondye sa pou ou menm tou. Ou ka di, “Bondye, montre m kilè m te kòmanse kwè nan manti sa.” Epi tann pou se li ki pote yon ide ba ou. Li gendwa fè ou sonje yon bagay ki fè ou tris oubyen pè oubyen wont. Men sa se pa yon move bagay. Bondye ap avèk ou, menm lè w ap sonje sa. Si li pa pote anyen nan lespri ou, ebyen sa pa yon move bagay nonpli.

Sonje ke Jezi toujou avèk ou. Li te toujou la, l ap toujou la. Si w ap sonje yon bagay ki te fè ou mal anpil, sonje ke Bondye te la avèk ou nan moman an. Ou te gendwa pa t santi prezans li, men li te la. Li gendwa vle fè ou santi prezans li kounyeya. Mande li, “Jezi, montre m ki kote ou te ye lè move bagay sa te rive mwen. Kisa ou tap fè? Ki jan ou te santi w?” Epi tann. Kite Jezi montre ou kote li te ye.

Kounyeya di Jezi konsa, “Jezi, m te kwè manti sa sou tèt pa mwen depi bagay sa te rive m. M mande w padon paske m te kwè nan manti sa yo. Eske ou ka montre m verite a tanpri?” Epi tann repons li. Li gendwa di w yon bagay tankou, “Ou se pitit presye mwen.” oubyen “Ou fè m plezi anpil.” oubyen “Ou pa pou kont ou; m ap toujou avèk ou.” Men si ou pa tande yon repons lamenm, sa pa yon pwoblèm.

Di Bondye mèsi paske li montre ou verite a. Mande l ouvri kè ou pou w ka resevwa verite a e kwè ladan l tout bon vre. Lè ou twoke manti lèdmi a pou verite Bondye a, w ap gen lajwa e libète.

Page 202: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

197KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 2 Seksyon 7Leson 2

Pou yon tan, lèdmi a gendwa vle fè w retounen kwè manti sou tèt pa ou ankò. Men si li bat pou l fè sa, si ide negatif sa yo antre lespri w ankò—di l konsa, “M pa kwè nan manti sa yo ankò. Sa yo se manti yo ye. Kite m an repo, Satan. Verite a se __________________ (epi di ki verite Bondye te montre ou.)”

Fè timoun yo konnen ke wap koute yo si yo vle pale avèk ou sou eksperyans yo.

• Eske gen nan nou ki ta renmen di klas la yon manti Bondye montre ou? Ki verite li ba ou pou ranplase manti yo?

Fèmen klas la e di Bondye mèsi paske li revele panse li ki gen verite ak amou avèk nou. Mande Bondye pou l ede nou kwè verite sou tèt pa nou pou nou ka viv ak espwa e jwa li.

Ala yon bèl Bondye nou genyen!

Pou w fèmen klas la, chante 2 ou 3 ti kè pou Bondye. Di timoun yo pou yo koute byen pawòl kè yo pou yo ka louwe Bondye ak tout kè pandan y ap chante.

Page 203: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

198

Priyè k ap Koute 3Seksyon 7 • Leson 3Konsantre sou Fòmasyon Spirityèl

Tèm: Mete w prè pou w koute Bondye.

Jodia timoun yo aprann ke si yo vle tande Bondye k ap pale avèk yo, yo dwe prete atansyon, kalme yo, e envite Bondye pale.

Jodia timoun deside mete yo prè e tann Bondye pale avèk yo.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Okenn

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Bondye pale ak Samyèl. 1 Samyèl 1—3

Objektif: Timoun ap aprann ki jan Bondye te pale ak Samyèl lè l te jenn timoun.

Di klas la ke ou pral kite yo fè yon ti bri avan ou ba yo istwa Bib la. Ankouraje yo pale ak zanmi yo, chante, bat men, bat pye, oubyen fè lòt bri tou. Pandan y ap fè sa, fè kòm si ou pap koute yo—gade yon lòt kote, li liv sa, men fè yon lòt aktivite ki pa konsantre sou elèv yo. Aprè tout klas la kòmanse pale a fè bri, di nan yon vwa byen ba, “M vle premye moun ki tande m pou l leve men li.” Pa di sa fò. Pa fè okenn jès. Si pa gen timoun ki tande ou, repete sa w te di a. Kontinye repete sa jouskaske yon timoun tande ou e li leve men li.

Di timoun yo ke sa ilistre jan li difisil pou timoun yo tande ou lè yo pa tap tann ou pale, ni yo pa t panse ou tap pral pale. Aprè sa, li istwa sa a pou timoun yo.

Samyèl te fatige. Wout soti lakay li nan Rama rive Silo te long. Pa gen moun ki konnen egzakteman ki distans li te ye, men li te ka nan 25 kilomèt konsa. Panse ak yon timoun piti ki oblije fè tout wout sa san bis, san machin, san bisiklèt. Petèt Samyèl te ale a pye. Petèt li te moute sou do bourik. Oubyen petèt se papa l ki te pote li. Men kanmenm wout la te long.

Samyèl te gendwa enkyèt. Li te yon jenn ti gason, pi piti pase nou menm. Men, menm lè l te piti, li te konnen ke lè l rive Silo, li tap oblije di manman l ak papa l

Page 204: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

199KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 3 Seksyon 7Leson 3

orevwa. Li tap fè tout yon ane, li pa tap pral wè yo. Samyèl te gendwa ap mande, “Ki jan moun m pral abite avèk yo pral ye menm?” “Si m pè oubyen m tris, oubyen m santi m sèl, ak ki moun m pral pale? Eske ap gen moun ki pran swen m? Ki moun ki pral gade aprè m menm?”

Lè anfen yo rive Silo, yo ale dirèk nan kay Senyè a—tabènak la, oubyen tant lan, kote moun yo te adore Bondye. Sa te anpil ane avan Izrayèlit yo te bati Tanp lan nan Jerizalèm.

Konsèy pou Pwofesè: Gen kèk tradiksyon Bib la ki itilize mo “tanp lan” lè y ap pale de tabènak Silo a.Paran Samyèl te mennen l ale kote Eli, prèt la. Manman li, Ana, te di Eli konsa, “M te priye mande Bondye yon pitit. Senyè a te tande priyè mwen, e li te fè m fè yon timoun. Kounyeya m vin mennen li remèt Bondye li. A pati de kounyeya, Samyèl ap rete la avèk ou e l ap sèvi nan kay Senyè a.”

Nou ka imajine ki jan Samyèl te santi li lè paran l anbrase li epi yo di l orevwa. Petèt li te fache. Li te gendwa pè. Li te gendwa kriye. Oubyen petèt li te bat gen kouraj. Petèt li te santi l menm jan ou menm ou santi w kèk lè. Kanmenm, nou konnen li te gen anpil bagay pou l reflechi.

Li tap byen bon si Samyèl te ale abite ak yon bon fanmi. Men, an verite, 2 pitit gason Samyèl yo te mechan anpil. Yo toulède te granmoun, yo te gran ase pou yo te prèt menm jan ak papa yo. Men yo pa t bon prèt ditou. Yo pa t respekte moun. Men pi mal ankò, yo pa t menm respekte Bondye. Prèt te sipoze gide moun nan louwe e renmen Bondye. Yo te sipoze prè Bondye pou yo te ka tande lè l ap pale. Men kè 2 pitit Eli sa yo te byen lwen Bondye. Sa te gendwa boulvèse Samyèl. Paran Samyèl yo te renmen Bondye anpil. Yo te mennen vi yo pou yo onore Bondye. Men fanmi sa kote l vin abite a, menm lè yo te sèvi nan Tanp Bondye a, yo pa t sanble bay Bondye enpòtans menm.

Ou gendwa ap mande w si paran Samyèl te fè yon gwo erè. Ki jan yo te ka fè kite Samyèl nan men moun sa yo? Eske se te plan Bondye pou lavi Samyèl vre? Lè ou tande pati istwa k ap vini an, w ap konnen repons lan.

Pandan Samyèl vin grandi, Eli te montre li jan pou l sèvi nan kay Senyè a. Yon jou swa, Samyèl tap kouche pou l dòmi nan tant lan. La menm, li tande yon moun k ap rele li. Eli tap dòmi toupre, epi Samyèl leve ale kote li.

“Men mwen! Ou te rele m?”

Eli di konsa, “M pa t rele w non. Retounen al kouche.”

Samyèl obeyi. Men avan dòmi pran l ankò, menm bagay la rive. Li tande yon vwa k ap rele li, “Samyèl!”

Page 205: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

200 KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 3Seksyon 7 Leson 3

Se konsa, Samyèl leve, li ale kote Eli. “Men mwen, wi. Ou te rele m.”

Men se pa Eli ki te rele l fwa sa nonpli. Eli di l konsa, “Retounen al kouche.”

Samyèl al kouche ankò. Epi menm bagay la rive ankò. Yon vwa rele l ankò, “Samyel!”

E kisa ou panse Samyèl te fè? Li ale kote Eli ankò, li di l konsa, “Men mwen. Ou te rele m.”

Men fwa sa, Eli pa t reponn menm jan. Fwa sa, Eli te vin konprann sa ki tap pase vre. Se te Bondye ki tap rele Samyèl. Bondye te vle atansyon Samyèl. Bondye te gen yon bagay pou l di Samyèl. Li kontinye eseye jouskaske Samyèl tande e reponn—tankou ti aktivite nou te fè nan kòmansman leson nou an jodia. M te kontinye pale jouskaske yon moun te tande m.

Se konsa Eli te di Samyèl, “Ale kouche. Si l rele ou ankò, reponn konsa, ‘Pale, Senyè, paske sèvitè w ap koute ou.” E Samyèl te fè sa Eli te di l fè a.

Nan yon ti moman, vwa a vini ankò. Men fwa sa, Samyèl te konnen kisa pou l fè. Li reponn, “Pale, Senyè, paske sèvitè w ap koute ou.”

Sa k te rive aprè sa etonan vre. Bondye te pale ak Samyèl tout bon vre. Li te di l kèk bagay etonan. Gwo bagay enpòtan! Samyèl te ka gen apepre 12 an nan moman sa, e Bondye te sitèlman renmen e onore jenn moun sa ki te tou sèl ke li te ba li yon mesaj ki te enpòtan anpil.

Men istwa a pa fini la. A pati de nwit sa, Bondye te kontinye pale ak Samyèl. Bondye te avèk li pandan li te grandi, e Bondye te montre li anpil favè. Samyèl pa t santi li sèl ankò. Kòman pou l te santi l sèl ankò, lè se Bondye li menm ki vin kote Samyèl e pale avèk li?

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap pale sou istwa a.

Ankouraje timoun yo pale sou istwa a.

• Eske ou panse Samyèl te janm sonje lakay li kote l te soti a? Kisa ou panse li te sonje de lakay li ak paran li? Eske ou janm santi w jan Samyèl te gendwa santi li?

• Lè ou panse de Bondye k ap pale ak moun, èske ou panse li pale ak granmoun oubyen timoun? Eske ou te sezi aprann ke nan tout moun Bondye te ka chwazi pou l pale jou swa sa, se yon jenn moun tankou Samyèl li te chwazi? Poukisa ou panse Bondye te fè sa?

• Eske ou panse Bondye tap pale avèk ou? Eske ou vle li pale avèk ou? Poukisa?

Page 206: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

201KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 3 Seksyon 7Leson 3

Konsèy pou Pwofesè: Pèmèt timoun yo leve e fè kèk ti mouvman avan ou kontinye ak Pati 3. Kite yo leve e bouje pou w ka kontinye ak leson an pi byen. Pa egzanp, fè yo leve, fè yon ti danse pou apepre 30 segonn.

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun aprann kèk fason yo ka tande Bondye.

Si w vle tande Bondye, anpil fwa se pou w poze Bondye yon kesyon, epi tann repons li. Sa se yon bèl fason pou w tande Bondye. Pafwa Bondye pa vle tann nou poze l yon kesyon. Pafwa se li ki kòmanse konvèsasyon an. Nou ka pran egzanp sou Samyèl, e mete nou pre.

• Kisa ou te remake nan istwa Samyèl la ki fè l ka tande Bondye?

Kite timoun yo bay repons yo. Pandan y ap reponn, sèvi ak pwen sa yo pou w ede yo konprann nan ki fason enpòtan Samyèl te ka tande vwa Bondye.

Samyèl te prete atansyon. Nan kòmansman istwa a, Samyèl pa t konnen ke se te Bondye ki tap rele li. Men li te konnen ke yon bagay etranj tap rive. Menm lè Eli di li plizyè fwa, “Se pa mwen ki rele ou,” Samyèl pa t iyore sa ki tap pase, ni li pa t vire do sou sa paske li pa t konprann sa ki tap pase. Li prete atansyon jouskaske Bondye montre li sa ki tap pase.

Pafwa Bondye ka eseye fè nou koute li lè li repete menm mo oubyen ide yo plizyè fwa, menm nan diferan fason. Pa egzanp, ou gendwa fè yon rèv sou yon zanmi yon jou swa. Epi nan demen maten, ou gendwa wè foto menm zanmi sa. Pita nan menm jou a, ou gendwa sonje yon blag ke zanmi sa te ba ou. Kapab se Bondye ki vle pase w yon mesaj. Li gendwa vle di ou yon bagay sou zanmi sa. Li gendwa vle ou priye pou zanmi sa.

Oubyen, yon jou maten ou gendwa leve, epi ou santi ke pa gen okenn moun ki renmen ou. Men, lè ou leve pou w ale manje, ou tande yon moun k ap chante yon chan sou amou Bondye genyen pou nou. Pandan lapriyè, moun k ap priye a gendwa mande Bondye fè tout moun sonje jan Bondye renmen yo. Pita, nan menm jou a, ou gendwa sonje yon istwa sou jan Bondye te renmen yon moun. Si yon bagay konsa rive ou, ou ka sèten ke Bondye vle pou w koute li. Li vle di ou ke li renmen ou!

Si ou kòmanse remake kèk bagay etranj k ap rive ke ou panse ka Bondye, mande li. Ou gendwa di l konsa, “Bondye, èske se ou menm k ap fè sa?” Epi tann repons li. Oubyen pale ak yon granmoun Kreten ki ka priye avèk ou sou sa w ap tande.

Samyèl te rete an pè. Eske ou te remake ke nan istwa Samyèl la, Samyèl pa t gen okenn bri kote l te ye a? Li te aswè. Li pa tap pale. Li pa tap koute mizik. Li tap kouche an pè. Bib la di, “Rete la… Konnen ke se mwen menm ki Bondye.” (Som 46.10) Pafwa lè nou rete an pè, Bondye gendwa pale avèk nou.

Page 207: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

202 KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 3Seksyon 7 Leson 3

Pafwa li difisil pou Bondye ouvri yon konvèsasyon avèk nou paske nou toujou ap pale, oubyen paske nou toujou nan mitan mizik oubyen bri. Si ou vle tande Bondye, fè sèten ke ou mete yon tan pou sa nan jou ou. Pa egzanp, aprè ou li Bib ou, ou gendwa pran 5 minit pou w chita an pè ak Bondye. Eseye pa panse ak anyen sof li menm. Ou pa oblije priye. Ou pa oblije di anyen. Sèlman panse ak jan li renmen ou e jan li bon. Si ou pito, pa panse ak anyen menm. Fè yon ti repoze. Pafwa Bondye ka pale avèk nou nan moman silans sa yo. Lòt lè, Bondye gendwa fè yon ti chita sèlman avèk ou. Men kanmenm, ou ka rejwi nan prezans li.

Envite Bondye pale avèk ou. Ou ka sèvi ak menm priyè ke Samyèl te priye, “Pale, Senyè, paske sèvitè w ap koute ou.” Ou gendwa priye sa le maten avan ou leve. Si ou fè sa, ouvri je ou pou w ka wè nan ki fason Bondye ap eseye pale avèk ou pandan jounen an. Oswa ou gendwa di sa avan ou pran kèk ti moman pou nou chita an pè, jan nou te pale a. Lè nou priye konsa souvan, nou fè Bondye konnen ke nou vle li pale avèk nou tout bon vre. Sa se yon fason pou nou apwoche Bondye. E li renmen vin pre moun k ap apwoche li.

Ann eseye sa kounyeya. Lè ou prè, priye nan kè ou, “Pale, Senyè, paske sèvitè w ap koute ou.” Epi rete an pè, an silans. Panse sou jan Bondye renmen ou e jan li bon.

Bay timoun yo kèk ti moman pou yo rete an silans, an pè. Si gen timoun k ap ri oubyen k ap pale ba, fè yo fè silans.

Sonje ke anpil fwa, Bondye pale avèk nou nan kè nou, e nan lespri nou. Li pa pale ak yon vwa ke nou ka tande ak zòrèy nou. Li pale avèk nou nan lespri nou, nan ide ke li mete nan kè nou ak nan lespri nou.

Eske gen imaj ki vin antre tèt ou? Kèk istwa nan Bib la oubyen vèsè? Gen chan oubyen ti kè ki vin antre lespri ou? Petèt ou sonje yon bagay ki te pase lontan oubyen ou reve yon bagay ki ka vini? Li kapab se Bondye k ap pale avèk ou nan bagay sa yo. Si yon bagay konsa antre lespri ou, pale sa ak Bondye. Ou gendwa di li kisa w ap tande e ki jan ou santi w. Ou ka poze li kesyon sou sa li vle di. Ou gendwa vle rete chita, pase yon ti moman avèk li.

Si Bondye ap pase w kèk mesaj, si l ap pale avèk ou, di li mèsi. Pita jodia, ou gendwa vle ekri oubyen desinen kisa Bondye te di ou.

Aprè timoun yo gen ase tan pou aktivite sa, mande yo si yo te santi Bondye tap pale avèk yo. Asire yo ke menm si Bondye pa t di anyen fwa sa, sa pa fè anyen. Ankouraje yo kontinye chache tande Bondye. Fèmen klas la ak 1 ou 2 ti kè pou Jezi.

Page 208: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

203

Priyè k ap Koute 4Seksyon 7 • Leson 4Konsantre sou Fòmasyon Spirityèl

Tèm: Ouvri kè m a Jezi.

Jodia timoun yo aprann ki jan amou yon bèje pou mouton li ka ede yo konprann amou Bondye pou yo.

Jodia timoun deside sèvi ak imajinasyon yo pou yo priye e koute Bondye.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Papye • Kreyon desen

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Bèje nou. Som 23; Ezayi 40.11;

Lik 15.3–7; Jan 10.1–6Objektif: Timoun ap aprann sou Jezi, Bon Bèje a.

Mande elèv yo si yo pa janm wè yon bèje. Si gen nan yo ki wè yonn deja, mande li kisa li te remake nan bèje a. Si pa gen okenn moun ki konn wè yo, mande yo si yo konnen kisa yon bèje konn fè. Yo gendwa gen kèk bon ide. Ou ka bay lòt tou. Bèje gide bèt, tankou mouton oubyen kabrit, nan dlo e nan kote pou yo manje. Yo pwoteje bèt yo. Yo ede yo si yo malad oubyen si yo blese.

Bib la di nou ke Jezi se Bon Bèje a, e nou menm, nou tankou mouton. Mouton pa ka pran swen tèt pa yo byen. Yo pa kapab pwoteje tèt pa yo. Si yo rete pou kont yo, yo pa menm ka jwenn dlo ni manje. Yo bezwen yon bèje ki pou gide yo, epi pran swen yo.

Bib la di nou ke gen anpil fason ke Jezi pran swen mouton tankou nou menm. Pandan w ap koute pasaj sa yo, fèmen je ou epi panse ak jan Bondye renmen ou.

Konsèy pou Pwofesè: Ankouraje timoun yo anpil pou yo fè sa. Si li nesesè, pandan wap pale a, fè yo sonje pou yo fèmen je yo epi imajine ke yo se yon mouton ansanm ak Jezi.

Page 209: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

204 KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 4Seksyon 7 Leson 4

Jezi di konsa, “Paske mwen se Bèje ou, m ap fè si ke ou gen tout sa ou bezwen. Tout bagay nèt! Ou gen manje pou w manje. Ou gen dlo pou w bwè. Ou gen yon kote pou w kouche lè ou fatige.

“M konnen ke pafwa se pa sèlman kò ou ki vin fatige. Pafwa ou vin fatige nan kè ou, nan lespri ou. M vle rafrechi nanm ou tou.

“Lè ou pa konnen ki chemen pou w pran, m ap gide ou. Lè ou gen yon kote pou w ale ki fè ou pè oubyen lè ou gen bagay difisil pou w fè, m prale avèk ou. Ou pap janm rete sèl, e ou pa janm bezwen pè.

“Pafwa gen lèdmi ki tou pre, men ou pa bezwen enkyete ou—m ap rete toupre ou. Si ou frape, m ap leve ou, m ap kenbe ou pre kè m. M ap mete lwil kalman nan kote ou blese pou m ka ede ou geri.

“Se pou mwen ou ye! Si ou pèdi, m ap rele ou, e m ap chache, m ap chache ou jouskaske m jwenn ou. Lè m jwenn ou, m ap pote ou tounen vin jwenn lòt mouton m yo, e n ap fete.

“Menm kon m gen anpil mouton, m konnen non yo chak. M konn non pa ou tou. M renmen non ou! M renmen di non ou. M renmen pale avèk ou. Pafwa ou konn tande lè m pale avèk ou? M ap montre ou konn vwa mwen.

“Satan gendwa ba ou manti e l ap di ou ke m pa okipe m de ou. Li vle vòlè tout amou ki nan kè ou. Li vle fè ou pè. Li vle ba ou manti pou fè ou tris e fè ou pa kwè nan mwen.

“Pa koute li! Bagay sa yo l ap di w yo pa tankou sa m konn di ou yo. Lè Satan pale avèk ou, li fè w mal-alèz e tris. Lè se mwen k ap pale avèk ou, m ap plen lavi ou. Vwa m gen lapè, e vwa m ap ankouraje ou. Li plen renmen ak espwa.

“Ti mouton m, pa gen moun k ap janm renmen w jan m renmen w—Mwen sitèlman renmen w, m mouri pou ou. Se konsa m renmen ou!

“Nan monn sa, ou gendwa santi w mal-alèz, ou gendwa santi ou pa dwe la. W ap mande ou kote lakay ou ye vre. M vle ou konnen ke se mwen menm ki se lakay ou. M vle ou rete avèk mwen chak jou nan lavi ou. M ap toujou avèk ou. M ap toujou gade aprè ou. M ap toujou renmen ou e santi lajwa poutèt ou menm.

“Fè lakay ou ansanm avè m. Bonte mwen ak amou mwen toujou la pou ou—pou tout tan nèt.”

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap pale sou istwa Bib la yo fenk tande.

Ankouraje timoun yo pale sou sa yo sot tande a.

Page 210: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

205KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 4 Seksyon 7Leson 4

• Kisa Jezi fè pou ou etan Bèje ou?

• Pandan w tap koute, èske ou te wè okenn imaj Jezi nan lespri ou? Kisa yo te ye?

• Eske ou janm tande Jezi ap pale avèk ou? Ki jan de bagay li te di ou?

• Ki jan vwa Jezi diferan de vwa Satan?

• Poukisa ou panse Jezi vle pale avèk ou?

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap sèvi ak imajinasyon yo e priye pou yo koute Bondye.

Menm si ou pa ka wè li ak je ou ni tande li ak zòrey ou, Jezi avèk ou tout bon vre. Li toujou ap avèk ou. Li konprann e li konsènen li ak santiman ou. Li ba ou sa ou bezwen. Li pwoteje ou. Li pale avèk ou.

Lè ou koute Bondye k ap pale avèk ou, se priye w ap priye pou w koute. Se yon bèl bagay pou nou konnen ke nou ka pale ak Jezi sou nenpòt ki bagay, a nenpòt ki moman, nenpòt kote nou ye. E sa k pi bèl ankò se ke li pale avèk nou tou.

Si nou vle priye pou nou koute Bondye, se pou nou devlope zòrèy ak je spirityèl nou. Ou ka fè sa si ou sèvi ak bèl imajinasyon Bondye te ba ou a. Men kèk bagay ou ka eseye:

Panse ak sa ou sot tande de Jezi, Bon Bèje a. Si ou tande vwa Bon Bèjea, kisa sa fè w santi w? Eske ou santi ou an sekirite? Eske ou santi ke ou jwenn sa ou bezwen? Ou santi ke Bondye renmen ou? Ou santi ke ou dwe rete kote ou ye a?

Ankouraje timoun yo rete an pè e fèmen je yo.

Mande Bondye ede ou mete yon imaj nan lespri ou ki mache ak sa ou santi w. Di Bondye konsa, “Jezi, banm yon imaj ki ka ede m wè ou pi byen.” Men kèk imaj ou gendwa wè:

Petèt ou panse ak Jezi ki kenbe ou toupre kè li. Si se sa ou wè, imajine ke li fè yon ti tan ap anbrase ou.

Ou gendwa wè Jezi k ap mete kouvè pou yon gran fèt. Eske ou wè bon manje ke w renmen la? Eske ou pran sant yo? Eske ou wè Jezi k ap rale chèz pou ou, bò kote pa li a? Imajine ke w ap chita bò kote li, e l ap souri e envite ou manje.

Petèt ou santi w fatige, e Jezi ap envite ou vin repoze avèk li bò yon bèl ti rivyè. Imajine ke w ap tande dlo rivyè a koule bò kote ou. Imajine ke w ap chita bò kote Jezi. Kenbe men li oubyen apwiye sou li, si ou vle. Kisa ou ta renmen di li?

Page 211: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

206 KONSANTRE SOu FòMASYON SPIRITYèL

PRIYè K AP KOuTE 4Seksyon 7 Leson 4

Ou mèt di li tout sa ki nan kè ou. Di li kisa w ap panse e ki jan ou santi w. Si ou gen kesyon, ou mèt poze li yo. Kounyeya chita an pè e koute. Bat pou w pa panse ak lòt bagay. Koute sa li ka di ou. Sonje ke vwa Jezi pote lapè, li ankourajan, li plen renmen ak espwa. Sa li di ap toujou dakò ak sa Bib la di, paske Bib la se pawòl li.

Ou ka danse ak jwa paske ou konnen Jezi toujou avèk ou. Li toujou pote renmen ak espwa nan lavi ou.

Mande timoun yo travay nan gwoup de 3 ou 4 pou yo fè yon dans pou louwe Jezi. Ba yo kèk minit pou yo repete dans la Esplike ke dans la pral dire 1 minit sèlman. Envite diferan gwoup vin montre klas la dans yo a.

Yon lòt opsyon:

Ou mèt desinen sa ou panse Bondye ap di ou tou, si ou vle.

Bay timoun yo kreyon desen ak papye. Kite yo desinen kisa yo panse Jezi ap di yo. Kite yon ti tan pou si gen timoun ki vle montre klas la kisa yo desinen an. Si gen timoun ki di yo pa tande Bondye di yo anyen, di ke yo mèt desinen yo menm k ap fè yon bagay ki tap fè Bondye plezi.

Fen opsyon

Envite timoun yo montre klas la eksperyans lapriyè yo a. Di yo ke yo pale ak Bondye nenpòt lè yo vle. Fèmen ak lapriyè. Mande Jezi raple timoun yo ki jan li renmen yo e ke li toujou vle pale avèk yo. Mande Bondye ede yo sonje ke yo se mouton li yo e yo ka konnen vwa li.

Page 212: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

207

Atik Siplemantè

Eske Timoun Sa ap Janm Chanje?Barbara Rueggers

Timoun ki nan move kondisyon fè fas an anpil difikilte e anpil fwa yo manke gen espwa pou tèt pa yo. Yo ka santi li enposib pou yo pèsevere. E ou menm? Eske ou janm santi ou pa ka pèsevere nan anseye timoun e nan kontinye ba yo espwa? Konbyen tan li pran pou yon timoun chanje? Sa se yon gwo kesyon ou gendwa gentan mande tèt pa ou, oubyen ou pral mande avan twò lontan.

Tan! Nou pa janm gen ase tan! Nou toujou santi nou bezwen plis tan. Se vre tou lè n ap travay ak timoun ki soti nan move kondisyon tankou povrete, mank de opòtinite, abi, difikilte. Timoun sa yo bezwen tan pou yo geri e pou yo retabli.

Yon moun saj byen lontan ki te konn pran swen timoun te di ke timoun ekri mo “renmen” an konsa: T-A-N. Timoun ki te abize, ki neglije, oubyen ki gen anpil lapenn bezwen ka konte sou yon granmoun ki toujou la pou yo. Pandan timoun nan vin konprann ke ou prèt pou w envesti nan lavi li, timoun nan ap kòmanse fè w konfyans e chanje.

Lè timoun chanje, se pa tankou se yon pwogrè ki toujou kontinye. Gen de lè yo mache ann avan, pafwa yo fè bak nan pwogrè yo. Timoun bezwen pasyans nou. Yo bezwen pèmisyon pou yo echwe epi rekòmanse ankò aprè echèk la.

Chanjman, Tan ak Bib la

Eske Bondye pa t di ke li tap fè tout bagay nouvo lè nou vin jwenn li? Ebyen poukisa timoun sa p ap chanje? 2 Korentyen 5.17 di nou ke “Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.” Bib la pwomèt nou ke nou vin tounen yon lòt moun. Bib la pa fè manti, men fò nou konsidere yon lòt pasaj tou. Women 12.2 di nou konsa, “Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l’a fin chanje tout lide ki nan tèt nou.”

Bondye chanje nou, men fò nou aprann viv tankou yon lòt moun tou. Transfòmasyon sa a pran tan. Nou bezwen bay timoun tan pou yo transfòme, tan pou yo pratike kisa sa vle di pou yo viv pou Jezi. Nou ka priye pou yo, men tou, nou bezwen pote kole avèk yo, e prèt pou nou la menm nan moman difisil. Menm si nou pa wè yon chanjman, yon nouvo moun, nou dwe toujou pèsevere avèk li. Nou pa janm dwe mete nan tèt nou ke si yon moun konvèti, lamenm li chanje atitid, pawòl ak konpòtman li. Menm lè yon moun konvèti, li toujou pote anpil nan pènn ke li te gentan genyen yo.

Si yon moun fè yon aksidan, li frape anpil, sa ap pran anpil tan pou l geri. Si ou manyen oubyen pete plè a, sa fè mal anpil. Lè yon moun gen yon plè kote li blese konsa, nou atann

Page 213: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

208 ATIK SIPLEMANTè

ESKE TIMOuN SA AP JANM CHANJE?

nou ke se tan k ap geri li. Li ka pran yon bon ti tan avan moun nan ka fonksyone jan l te ye a. Menm lè plè a geri, ap toujou gen yon sikatris, petèt pou rès lavi moun nan menm, men sikatris la pa fè mal ankò. Se menm jan pou plè emosyonèl ke anpil timoun pote. Yo bezwen tan pou yo geri. Fò nou pran swen yo ak pasyans, ak konpreyansyon jouskaske se yon sikatris sèlman ki rete.

Si ou pase anpil tan ak timoun nan, w ap la pou w wè transfòmasyon an. Ala yon bèl rekonpans pou tout efò ou!

Page 214: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

209

Pèseverans: Plan Bondye pou Lavi MwenSeksyon 7 • Leson 5Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: M ka pèsevere paske m konnen Bondye fidèl.

Jodia timoun yo aprann ke kontinye swiv Bondye menm lè bagay yo difisil demontre pèseverans.

Jodia timoun deside pèsevere paske Bondye gen plan pou l sèvi ak sa ki rive yo pou glwa li nan lavni.

MATERYÈL KE W AP BEZWENYon lòt opsyon: • 2 gwo fèy papye pou chak gwoup de 8 timoun • Kreyon desen

Yon nòt pou ou menm, pwofesè:Kisa ki rele pèseverans? Pèseverans se lè yon moun kontinye fè yon efò pou l acheve yon bagay menm lè gen difikilte, echèk oubyen opozisyon.

Panse ak lavi pa ou. Kilè ou menm ou te oblije pèsevere menm anfas difikilte, echèk oubyen opozisyon? Eske ou ka panse ak kèk egzanp de lè elèv ou yo te bezwen aprann pèseverans? Pa egzanp, anpil timoun bezwen pèseverans pou yo ka aprann li. Jou aprè jou, yo kontinye fè efò, e aprè yon tan, yo aprann li. Se sa ki rele pèseverans!

Ekri 3 domènn kote elèv yo bezwen pèsevere:

• _________________________________________________________________

• _________________________________________________________________

• _________________________________________________________________

Page 215: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

210 KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: PLAN BONDYE POu LAVI MWENSeksyon 7 Leson 5

LÈ POU LESON AN1. Prezante Pèseverans

Objektif: Timoun ap jwe yon jwèt pou yo ka vin konprann sa ki rele pèseverans.

Ann jwe yon jwèt ki pral ede nou konprann yon nouvo mo ki enpòtan anpil. Mo a se pèseverans. Aprè jwèt la, n ap gade si ou konnen kisa mo a vle di.

Mete elèv yo nan gwoup de 8 timoun, nan ti wonn. Chwazi yon timoun ki mete koulè wouj ki pou deyò wonn nan. Esplike timoun yo:

Timoun sa ki deyò wonn nan pral fè tout efò li pou l antre nan mitan wonn nan. Nou menm, nou dwe bat pou nou anpeche li antre, kèlkeswa sa li fè oubyen di.

Di timoun ki deyò a, sa ki pral eseye antre wonn nan, ke yo pral bat pou yo repran wonn nan lè yo swiv sa ou di yo fè a. W ap di yo yon premye bagay, epi y ap eseye l. Aprè sa, di yo yon dezyèm bagay pou yo eseye, epi gade si yo ka antre wonn nan. Anfen, di yo yon twazyèm, epi gade si yo ka antre.

Premye Kòmann: Mande, sipliye yo pou yo kite w antre. Pwomèt yo nenpòt sa yo vle pou yo kite w antre.

Dezyèm Kòmann: Eseye antre pa fòs, men pa frape okenn moun.

Twazyèm Kòmann: Eseye antre nenpòt lòt wonn pa fòs, men pa frape okenn moun.

Si w gen tan, fè aktivite sa yon dezyèm fwa. Chwazi lòt timoun ki pou eseye antre wonn yo.

• Moun ki tap eseye antre wonn nan tap demontre pèseverans. Kisa ou panse pèseverans vle di?

Fè sèten ke timoun yo konprann ke Pèseverans se lè yon moun eseye san l pa abandone, menm si sa y ap fè a difisil, menm si yo pa ka rive fè l premye fwa yo eseye l lan.

Fè timoun yo chita ansanm epi rakonte yo istwa sa.

Jozèf te yon jennonm ki te konprann kisa ki te rele pèseverans. Li te sitèlman kwè nan fidèlite Bondye ke kèlkeswa sa li te pase, li te toujou kwè ke Bondye tap pran swen li. Li pat janm vire do sou Bondye. Li te kontinye fè Bondye konfyans e te kontinye swiv Bondye. Li te demontre pèseverans. Koute jan li te demontre pèseverans.

Yon nonm ki te rele Jakòb te abite peyi Kanaran. Li te gen 12 pitit gason. Pi gran an te rele Riben, e pi piti a te rele Benjamen. Nan tout pitit gason li yo, Jakòb te pi

Page 216: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

211KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: PLAN BONDYE POu LAVI MWEN Seksyon 7Leson 5

renmen Jozèf, ki te pi piti pase tout sof Benjamen. Paske Jakòb te renmen Jozèf pase yo, tout frè Jozèf yo te jalou. Lè Jozèf te gen 17 an, papa l Jakòb te bay fè yon bèl manto anpil koulè fèt pou li, e sa te fè frè l yo pi jalou menm. Jalouzi sa a te vin tounen rayisans.

Sa k te pi mal ankò, Jozèf te fè 2 rèv ki te sanble endike ke li tap vin pi grannèg ke frè l yo. Lè li te rakonte yo rèv li yo, yo vin pi fache ankò. Yo pat gen yon bon mo pou yo di sou Jozèf.

Jakòb ak tout fanmi li te bèje. Yo te sitèlman gen anpil mouton ke pitit gason l yo pa t ka jwenn ase patiraj pou bay mouton yo manje pre lakay yo. Se konsa, yo te ale byen lwen lakay yo ak mouton yo pou yo jwenn kote pou yo fè mouton yo manje e bwè. Yon jou, 10 pi gran gason yo tap bay mouton yo manje bò vil Sichèm. Te gen anpil zèb ak dlo la. Mesye yo te fè bon ti tan deyò, epi Jakòb te voye Jozèf ale kote yo pou l mande ki jan y ap boule.

Jozèf te gen pwoblèm pou l jwenn yo paske yo te gentan kite Sichèm e te travèse Dotan. Anfen, li vin wè tout pak mouton yo ansanm ak frè l yo. Lè frè yo wè Jozèf nan bèl manto l yo, yonn nan yo di, “Menm nonm ki renmen fè rèv la ap vini. Annou wè. Ann touye l, epi n ap wè sa k rive rèv li aprè sa.”

Men Riben, pi gran frè a, pa t vle malfezans rive Jozèf. Li di konsa, “Annou pa touye l. Ann lage l nan pwi sa a, epi n ap kite l mouri la.”

Lòt yo dakò, epi lè Jozèf rive, yo pran l, yo chire bèl manto l lan, epi yo lage l nan pwi a. Yo iyore Jozèf k ap sipliye yo, epi yo chita, yo manje.

Riben pa t vle kite Jozèf mouri nan pwi a. Li te fè plan pou l tounen nan pwi a, pou l retire Jozèf aprè lòt frè l yo fin ale. Men pandan Riben deplase, kèk machann vin pase ak chamo. Yo te nan wout pou y ale Lejip pou yo vann epis ak pafen. Frè yo fè ide ke yo te ka vann machann yo Jozèf. Se konsa tou yo tap fè yon ti kòb. Yonn nan frè yo di, “L ap pi bon si nou vann li ke si nou kite l mouri nan pwi sa a. Menm si nou rayi l, se frè nou li ye.”

Frè yo dakò pou yo vann Jozèf. Yo rale l soti nan pwi a epi yo vann li pou 20 pyès lajan. Jozèf te gendwa pè anpil. Men menm kon l tap kriye e sipliye frè l yo, sa pa t di yo anyen. Yo separe lajan an ant yo menm, epi yo fini ak Jozèf nèt. Nan moman sa, Jozèf te ka dezespere, li te ka di Bondye kite l nèt. Men li te kontinye fè Bondye konfyans. Li te pèsevere.

• Fè m sonje ankò. Kisa ki rele pèseverans?

Frè Jozèf yo touye yon kabrit epi yo mete manto Jozèf la nan san kabrit la. Lè frè l yo vin tounen lakay, yo montre papa yo manto Jozèf la. Jakòb te vin kwè ke se kèk bèt sovaj ki te manje pitit gason li te renmen anpil la.

Jozèf te santi jan frè l yo te rejete li. Yo te abandone li. Pou anpil ane, li te oblije konbat emosyon sa yo, men li pa t janm vire do sou Bondye. Li te pèsevere, e jou

Page 217: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

212 KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: PLAN BONDYE POu LAVI MWENSeksyon 7 Leson 5

aprè jou, li te swiv Bondye. Si ou konnen tout istwa a, ou konnen ke li te pase kèk jou nan prizon tou. Men li te pèsevere kanmenm. Nan fen lavi li, Bondye te sèvi ak Jozèf nan anpil bèl fason. Men avan Bondye te ka sèvi avèk li, Bondye te pèmèt Jozèf pase nan anpil difikilte. Bondye pa t fè difikilte yo, men Bondye te sèvi avèk yo pou plan pa li. Chak difikilte ke Jozèf te sibi te rann li pi fò.

Jozèf tankou anpil nan nou. Gen nan nou ki gendwa santi yon moun rejete nou. Gen nan nou ki gendwa santi nou abandone. Gen nan nou ki gendwa santi jalouzi lòt moun. Men tankou Jozèf, ou ka pèsevere nan amou ou pou Bondye. Bondye pa t koz move bagay sa yo rive ou, men li ka sèvi avèk yo pou glwa li. Pa vire do sou Bondye!

Fè timoun yo gade yon zanmi epi pale sou kesyon sa:

• Pale ansanm sou yon tan ke ou te santi ou rejete oubyen abandone tankou Jozèf. Ki jan Bondye te ede ou nan moman sa? Eske ou te tante sispann renmen Bondye paske bagay yo pa tonbe jan w ta vle?

Nou konnen ke si nou pèsevere, Bondye ka sèvi ak move bagay ki rive nou pou glwa li pita. Ki jan ou panse Bondye gendwa sèvi avèk ou? Pa egzanp, petèt paran ou te mouri byen lontan e ou pa vrèman sonje yo ankò. Sa fè ou tris. Bondye ka sèvi ak difikilte sa nan lavi ou pou gide ou kòmanse yon ministè pou moun malad k ap mouri. Ou pa janm konnen ki bèl plan Bondye gen pou lavi ou si ou pèsevere.

2. Eksplore PèseveransObjektif: Timoun eksplore ki rezilta ki ka genyen si yo pèsevere.

Bay elèv yo istwa sa yo sou yon timoun k ap demontre pèseverans. Mande timoun ki rezilta ki gendwa genyen nan lavi timoun sa lè li grandi. Gen anpil repons ki posib.

Ti Istwa 1 Yon tifi ki gen 9 an pa fò nan matematik. Men chak jou li fè efò pou l fè l byen. Li fè plis tan nan devwa matematik li ke tout lòt elèv yo nan klas la.

• Ki rezilta ki ka genyen lè li grandi poutèt pèseverans li?

Ti Istwa 2 Yon ti gason 12 an kase pye l nan 3 kote. Pye a geri, men li pa t janm ka mache byen ankò. Sa te fè l mal e te fè l fatige tou. Men li detèmine pou l fòse pou l mache byen ankò. Sa vle di chak jou li bat pou l mache nòmal.

• Ki rezilta ki ka genyen lè li grandi poutèt pèseverans li?

Ti Istwa 3 Yon tifi 10 an pèdi manman li. Li oblije pran swen 2 ti sè li yo. Pafwa li pa santi li vle fè sa. Li konn fache avèk yo. Pafwa li ta vle se li menm ki mouri nan plas manman

Page 218: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

213KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: PLAN BONDYE POu LAVI MWEN Seksyon 7Leson 5

li, sitèlman li fatige. Li lave, li fè manje, li charye dlo. Jou aprè jou, se menm bagay. Men li kontinye fè tout bagay sa yo, paske se konsa sèlman sè l yo ka viv.

• Ki rezilta ki ka genyen lè li grandi poutèt pèseverans li?

Yon lòt opsyon:

Timoun yo ka retounen nan gwoup 8 elèv, jan yo te fè nan kòmansman leson an. Bay chak gwoup 2 gwo fèy papye ak kreyon desen. Esplike ke yo sipoze pale sou yon difikilte ke yon timoun jodia gendwa rankontre, e ki jan Bondye ka sèvi ak sitiyasyon sa pou glwa li lè li grandi. Aprè yo deside sou yon difikilte, gwoup la sipoze divize an 2.

Nan premye papye a, mwatye gwoup la dwe desinen yon timoun menm laj avèk yo nan yon difikilte. Petèt se grann yon timoun k ap mennen l lekòl. Petèt yon timoun poko ka li, e li konnen li pa p janm ka li menm jan ak lòt timoun nan klas la. Sou dezyèm papye a, dezyèm gwoup la sipoze desinen moun sa lè li granmoun. Imaj sa a sipoze demontre ki jan Bondye tap ka sèvi ak yon difikilte nan lavi yon moun si moun nan pèsevere. Bay chak gwoup okazyon pou yo montre tout klas la postè yo fè yo.

Fen opsyon

3. Mennen Vi w ak PèseveransObjektif: Timoun ap ankouraje yonn lòt pou yo pèsevere e kontinye swiv Bondye, menm anfas difikilte.

M ap li kèk vèsè pou ou nan Bib la.

Bondye te di: Mwen p’ap janm vire do ba ou, mwen p’ap janm lage ou. Konsa, nou kapab di avèk konfyans:

Se Bondye k’ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Ebre 13.5–6

• Ki jan vèsè sa yo ka ede ou pèsevere menm lè ou nan difikilte?

• Poukisa Bondye pa retire tout difikilte nan lavi nou?

Bondye sèvi ak difikilte nan lavi nou pou rann nou pi fò. Pandan n ap vin pi fò, nou aprann fè l konfyans plis paske nou wè ke li fidèl menm nan difikilte, e li ban nou fòs pou nou pèsevere.

Fèmen klas la jodia e mande tout moun chita. Esplike ke ou pral endike yon timoun epi di li, “Pèsevere. Bondye ap ede ou, menm lè li difisil.” Timoun sa dwe kanpe pou l endike yon lòt moun nan klas la epi l ap di: “Pèsevere. Bondye ap ede ou, menm lè li difisil.” Kontinye

Page 219: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

214 KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: PLAN BONDYE POu LAVI MWENSeksyon 7 Leson 5

jouskaske tout moun nan klas la kanpe. Epi tout moun ap rele byen fò ansanm: “Pèsevere. Bondye ap ede ou, menm lè li difisil.”

Konsèy pou Pwofesè: Priye pou chak elèv nan klas la semènn sa. Priye pou yo e site non yo. Mande Bondye ede chak elèv nan difikilte ke li pral rankontre semènn sa.

Page 220: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

215

Pèseverans: Swiv Bondye pou tout TanSeksyon 7 • Leson 6Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Bondye ede m pèsevere.

Jodia timoun yo aprann ke yo ka pèsevere menm lè lavi a difisil.

Jodia timoun panse ak ki jan yo ka pèsevere nan difikilte.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Okenn

LÈ POU LESON AN1. Prezante Pèseverans

Objektif: Timoun ap tande plis sou ki jan Jozèf te pèsevere e y ap aprann ke yo kapab tou.

• Ki moun ki ka di nou istwa Jozèf la, jan frè l yo te rejete li e abandone li?

Chwazi yonn nan timoun yo pou rakonte istwa a. Lè li fini, mande lòt timoun yo si li pa t bliye anyen.

Istwa nou jodia kontinye swiv Jozèf nan peyi Lejip lan. M pral ba ou istwa a.

Machann ki te achte Jozèf yo te ale nan peyi Lejip avèk li. La, te gen yon nonm ki rele Potifa ki te achte li. Jozèf te vin yon esklav lakay Potifa. Te ka gen kèk jou Jozèf te santi li sèl paske li te lwen fanmi li ak zanmi li. Jozèf pa t konnen kisa ki tap pral pase li. Eske ou panse li te pè? San dout, men li te fè Bondye konfyans e te kwè ke Bondye pa tap janm kite li ni abandone li.

Jozèf te yon bon esklav, e Potifa te aji byen avèk Jozèf. Bondye te beni Jozèf. Bondye te beni Potifa tou, paske li te aji byen ak Jozèf. Yon jou, madanm Potifa te vin fache

Page 221: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

216 KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: SWIV BONDYE POu TOuT TANSeksyon 7 Leson 6

ak Jozèf e te bay Potifa manti sou Jozèf. Potifa te kwè madanm li. Li fè yo mete Jozèf nan prizon. Men, la ankò, Jozèf te pou kont li e yo pini li pou yon bagay ke li pa t fè. E men yon lòt fwa ankò, li te sèl e li te gendwa pè kisa ki tap pral rive li.

Men Jozèf te kontinye fè Bondye konfyans, menm nan prizon. Jozèf te kontinye fè Bondye konfyans—jou aprè jou. Li te pèsevere. Ou sonje mo sa? Lè nou pèsevere, nou kontinye fè yon bagay kèlkeswa sa ki rive. Bondye te beni Jozèf paske Jozèf te pèsevere nan renmen li. Chèf prizon an te aji byen ak Jozèf e li te kite Jozèf fè travay anndan prizon an.

Yon jou, wa peyi Lejip la, ke yo te rele Farawon, te fè yo mete 2 nan domestik li yo nan prizon. Se te chèf boulanje ak chèf kanbiz farawon an. Farawon te fache avèk yo. Pita, nan menm jou swa a, yo chak fè yon rèv e se Jozèf ki te esplike yo rèv la. Jozèf te konnen ke Bondye tap pral fè l konprann rèv yo, e li te di yo, “Se sèl Bondye ki konn kisa rèv sa yo vle di. M pral mande Bondye esplike yo.”

Bondye te montre Jozèf kisa rèv etranj yo te vle di, e esplikasyon Jozèf yo te vin rive vre. Aprè 2 an, farawon li menm te vin fè 2 rèv nan menm jou swa a. Chèf kanbiz la te sonje ke se Jozèf ki te ede li konprann rèv li a. Li di wa a konsa, “Yon lè ou te fache avèk mwen e ou te voye mwen ak chèf boulanje a nan prizon. La, te gen yon jennonm ebre ki te esplike nou rèv nou yo. Petèt li ka esplike ou rèv pa w lan tou.”

Se konsa farawon voye rele Jozèf e li mande Jozèf si li tap kapab esplike li rèv li yo. Jozèf reponn li, “Se sèl Bondye ki ka di ou kisa rèv yo vle di. Esplike m rèv yo, e map mande Bondye pou ou.”

Aprè farawon te di Jozèf rèv li yo, Bondye te revele Jozèf kisa rèv yo te vle di. Lè Jozèf vin di farawon sa, farawon an te panse ke Jozèf te saj anpil paske li te fè Bondye konfyans. Farawon an te fè Jozèf gouvènè tout peyi Lejip la e te di tout moun pou yo fè tout sa Jozèf di yo fè. Pèseverans li te rekonpanse!

Pa gen anyen nan sa ki pase Jozèf yo ki tap ka rive si Jozèf pa t pèsevere nan renmen Bondye.

Kounyeya, Jozèf, frè yo te rejete e abandone, prizonye ki te esklav, te vin nonm pi pwisan nan tout peyi Lejip aprè Farawon. Bondye pa t janm abandone Jozèf, e Jozèf pa t janm sispann fè Bondye konfyans.

• Di m non, kisa ki rele pèseverans?

Separe klas la nan gwoup de 3 ou 4 elèv chak e fè yo diskite kesyon sa yo:

• Ki pati nan istwa sa a ki fè ou pè anpil? Poukisa?

• Kisa pèseverans Jozèf pou l renmen e kwè nan Bondye montre ou?

Page 222: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

217KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: SWIV BONDYE POu TOuT TAN Seksyon 7Leson 6

2. Eksplore PèseveransObjektif: Timoun ap deside kisa ki ka rive moun ki pèsevere.

Ou pral bay klas la kèk ti istwa kout. Esplike ke gen yon moun nan chak istwa ki te pèsevere. Mande timoun yo kisa ki te gendwa rive paske moun nan te pèsevere. Kite plizyè timoun bay ide de ki jan istwa a gendwa fini.

Ti Istwa 1 Natan pa t konprann poukisa Mari pa t vle byen avèk li. Depi Natan te vin abite nan katye Mari a, Mari te toujou aji mal avèk li. Natan te deside ke li tap fè yon bagay janti pou Mari chak jou jouskaske Mari vle byen avèk li. Yon jou, Natan souri a Mari. Yon lòt jou, li di l “Bonjou!” Natan pèsevere ak plan li pandan 3 mwa. Kisa ou panse ki te vin rive?

Ti Istwa 2 Andji te nan mizè ap viv ak kèk fanmi manman li. Li te vle tounen ale lakay manman li. Papa l te di l ke l ap ka vini lè papa l jwenn yon djòb kote l touche yon ti lajan anplis. Men aprè chak mwa, e chak vizit papa li, papa l toujou di li ke li poko ka vini lakay. Andji vin wè ki sitèlman li anvi tounen lakay li, li santi li vle malad. Li deside ke olye de fè tèt li malad, chak jou li pral panse ak 1 ou 2 bagay ki bon nan kote l ap abite a. Nenpòt lè li santi li vle tris, l ap panse ak kisa li renmen. Li te pèsevere nan sa pou yon mwa. Kisa ou panse ki te vin pase?

Ti Istwa 3 Fiona te gen 25 an. Li te fè 2 an lekòl, men li pa t gen okenn konpetans ki tap ede li jwenn yon djòb. Yon jou, li tande ke te gen yon madanm nan yon lòt ti bouk ki tap bay leson koud pou nenpòt fi ki te vle aprann. Madanm nan tap bay leson 2 fwa pa semènn pandan 6 mwa. Fiona tap oblije mache 2 è de tan pou chak leson. Fiona deside ke si l vle travay, l ap oblije pran leson yo. Li te difisil anpil. Li mache, li mache, li mache. Jou aprè jou. Li te pèsevere. Kisa ou panse ki te rive?

3. Mennen Vi w ak PèseveransObjektif: Timoun ap ede yonn lòt panse ak ki jan yo ka pèsevere.

Separe klas la nan gwoup de 2 timoun chak.

Natan, Andji ak Fiona te chak fè fas a yon dezisyon difisil. Men yo te chak deside pou yo pèsevere nan difikilte yo. Panse ak yon sitiyasyon nan lavi pa ou. Avèk zanmi ou, pale sou sitiyasyon difisil ou an. Ede yonn lòt panse ak ki jan ou ka pèsevere.

Page 223: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

218 KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: SWIV BONDYE POu TOuT TANSeksyon 7 Leson 6

Konsèy pou Pwofesè: Chak timoun dwe di sèlman sa li alèz pou l di. Timoun yo pa bezwen pale sou gwo koze emosyonèl ak yonn lòt. Bay timoun yo 5–10 minit pou egzèsis sa. Mache pami timoun yo pandan y ap pale e koute sa y ap di yonn lòt. Si ou wè gen timoun k ap pale sou gwo koze lou, aprè klas, ou ka pale ak timoun nan sou ki jan li ka pèsevere.Eske ou sonje ke Jozèf te fè Bondye konfyans nan difikilte li e li te pèsevere? Ou ka toujou mande Bondye ede ou pèsevere nan difikilte pa ou yo tou. Ou pa janm konnen ki bèl plan Bondye gen pou lavi ou si ou pèsevere.

Mande plizyè timoun priye ke Bondye ka ede yo tout pèsevere.

Page 224: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

219

Pèseverans: Kite Lòt Moun Ede MwenSeksyon 7 • Leson 7Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Pou n pèsevere, nou bezwen lòt moun ede nou.

Jodia timoun yo aprann ke genyen kèk bagay nou pa ka fè pou kont nou.

Jodia timoun deside ki moun ki ka ede yo lè yo gen difikilte pou yo pèsevere nan yon bagay yo konnen Bondye vle yo fè.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Yon wòch pou w pase nan klas la • 6 ti moso twal

Yon lòt opsyon: • Yon boul • 6 fèy papye pou chak gwoup de 5 timoun

LÈ POU LESON AN1. Prezante Pèseverans

Objektif: Timoun ap fè yon aktivite e tande yon istwa ki demontre pèseverans menm lè yo echwe e gen difikilte.

Mande timoun ki nan klas la kanpe nan yon lin.

Annou wè a ki vitès nou ka pase wòch, oubyen boul sa a yonn lòt, epi retounen. Se yon sèl règleman ki genyen—ou pa sèvi ak 2 men ou. Ou dwe mete yon men dèyè do ou e sèvi ak yon sèl men pou w pase boul la. Pase l a men yon lòt timoun, jouskaske chak timoun nan klas la fin pase li, epi pase l retounen nan kòmansman lin nan ankò. Si yon moun kite l tonbe, fò nou rekòmanse depi nan kòmansman lin nan ankò. Pandan w ap pase boul la, repete, “M ap pèsevere!”

Page 225: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

220 KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: KITE LòT MOuN EDE MWENSeksyon 7 Leson 7

Bay premye timoun nan lin nan boul oubyen wòch la epi di l kòmanse pase li. San dout, boul la ap tonbe plizyè fwa pandan aktivite a. Timoun yo ka demontre si yo pa kontan poutèt sa, men di yo leve li epi kontinye pase li ankò. Ankouraje yo pèsevere.

• Ki pati nan aktivite sa ki te difisil pou ou?

• Kisa ou te aprann pandan ou tap pase wòch la?

• Eske ou te vle kontinye jwe menm lè wòch la te tonbe atè? Si wi, se pèsevere ou tap pèsevere.

• Kisa aktivite sa ka montre nou pou lè lavi nou pote difikilte e nou kontinye echwe?

Rele byen fò, “N ap pèsevere!” si ou ta renmen tande yon istwa sou jan nou dwe kontinye pèsevere menm lè nou nan difikilte.

Lè timoun yo an silans ankò, kòmanse bay istwa a. Esplike ke nenpòt lè ou lonje men sou timoun yo, yo sipoze di, “Rale! Rale! Rale! Rale! Rale!” Yo dwe di l 5 fwa.

Yon le, te gen yon ti tren ki te gen plizyè wagon pou l rale. Tren an tap avanse byen jouskaske li rive nan yon mònn. Men, la, menm lè tren an rale byen fò, li pa t ka rale tout wagon yo monte mònn nan.

Ti tren an rale, li rale. Li soufle, li soufle. Li fè bak, li eseye remonte ankò. Lonje men sou timoun yo. “Rale! Rale! Rale! Rale! Rale!”

Men, non. Wagon yo pa t ka monte monn nan. Anfen, ti tren an kite tout ti wagon yo anba pye mònn nan, epi li bat pou l monte mònn nan pou kont li. Men li pat abandone. Non, non. Ti tren an tap chache yon solisyon. Li tap chache sa ki tap ka ede li.

Li monte mònn nan. Lonje men sou timoun yo. “Rale! Rale! Rale! Rale! Rale!” Aprè yon ti moman, ti tren an wè yon gwo tren sou bò ray tren yo. Ti tren an vin sou kote gwo tren an, li mande l, “Eske ou ka ede m rale wagon m yo monte mònn sa? Mònn nan long, e li wo, e m pa ka monte pou kont mwen.”

Gwo tren an gade ti piti a, li reponn, “Ou pa wè m poko fini travay mwen? Yo gentan lave m e pare m pou yon lòt vwayaj. Non, m pa ka ede ou.”

Ti tren piti a te tris, men li pa abandone wagon yo. Ti tren an kontinye ale. Lonje men sou timoun yo. “Rale! Rale! Rale! Rale! Rale!”

Page 226: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

221KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: KITE LòT MOuN EDE MWEN Seksyon 7Leson 7

Aprè sa, ti tren an vin sou yon lòt gwo tren sou bò ray tren yo. Dezyèm gwo tren an tap pran gwo souf. Li te fatige anpil. Ti tren an vin sou kote gwo tren an, li mande l, “Eske ou ka ede m rale wagon m yo monte mònn sa? Mònn nan long, e li wo, e m pa ka monte pou kont mwen.”

Dezyèm gwo tren an di konsa, “M fenk soti nan yon vwayaj long. Ou pa wè jan m fatige? Ou pa tande jan m ap pran gwo souf? Al mande lòt moun ede ou.”

“Oke, m ap eseye fè sa,” di ti tren piti a, epi li fè wout li. Lonje men sou timoun yo. “Rale! Rale! Rale! Rale! Rale!”

Aprè yon ti tan, li vin sou yon lòt ti tren menm jan avè l. Li vin sou kote li, li mande l, “Eske ou ka ede m rale wagon m yo monte mònn sa? Mònn nan long, e li wo, e m pa ka monte pou kont mwen.”

“Mewi! M ap ede w si m kapab!”

Se konsa, 2 ti tren piti yo desann mònn nan kote tout wagon yo tap tann anba pye mònn nan. Yonn nan ti tren yo pran devan wagon yo, lòt la pran dèyè. Lonje men sou timoun yo. “Rale! Rale! Rale! Rale! Rale!” E yo kòmanse avanse!

Dousman, dousman, yo kòmanse monte mònn nan. Pandan yo tap monte mònn nan, 2 ti tren piti yo kòmanse chante, “M kwè m kapab! M kwè m kapab! M kwè m kapab! M kwè m kapab! M kwè m kapab! M kwè m kapab! M kwè m kapab!” Fè timoun yo repete sa pandan w ap lonje men sou yo.

E yo te fè l vre! Avan twò lontan, yo te fin monte mònn nan, e yo tap desann lòt bò mònn nan. Aprè sa, tren yo ak wagon yo te sou tè plat ankò, e premye ti tren an te ka rale wagon yo pou kont li ankò. Se konsa, li di dezyèm ti tren an, “Mèsi anpil paske w ede m!”

“Orevwa!” 2 ti tren yo di yonn lòt.

Fè timoun yo repete tout tan w ap lonje men sou klas la: “Pèsevere! Pèsevere! Pèsevere! Pèsevere! Pèsevere! Pèsevere! Pèsevere! Pèsevere! Pèsevere! Pèsevere! Pèsevere!”

2. Eksplore PèseveransObjektif: Timoun ka tande yon istwa epi fè yon aktivite pou yo pratike pèseverans nan ede yonn lòt.

Sa se yon istwa sou yon ti granmoun ki te demontre pèsevrans. Noye te renmen Bondye. Men moun ki te bò kote li yo pa t renmen Bondye. Yo te kowonpi e vyolan. Bondye te di Noye konsa, “M pral detwi tout moun nèt. Latè a plen vyolans poutèt yo menm. M ap detwi yo menm ak latè a. M vle w fè yon lach, yon bato ak bwa pichpen. M ap kouvri tout latè ak dlo pou detwi tou lavi ki anba syèl la, e tout

Page 227: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

222 KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: KITE LòT MOuN EDE MWENSeksyon 7 Leson 7

kreyati ki gen souf ladan l. Tout bagay sou latè nèt pral mouri. Men m ap fè ou yon pwomès. Ou menm ak pitit gason ou yo ansanm ak madanm ou, ak madanm pitit gason ou yo ap antre bato a. W ap antre ak 2 nan chak kreyati vivan, mal ak femèl, pou w kenbe yo vivan avèk ou.”

Noye te fè tout sa Bondye te di l fè a. Li te pran anpil tan pou l konstwi lach la. Men jou aprè jou, Noye te pèsevere. Li pa t janm sispann fè sa Bondye te di l fè a. Gen kèk jou li te gendwa panse sa l tap fè a te foli. Paske li tap konstwi yon bato atè kote ki pa gen lanmè.

• Bib la pa di nou kisa vwazen li yo te di Noye lè yo tap fawouche li. Kisa ou panse yo te ka di Noye?

• Eske ou panse Noye te janm vle kite travay la, e sispann pèsevere nan konstwi bato a? Poukisa?

• Li te pran Noye anpil ane pou l konstwi lach lan. Sa te pran anpil pèseverans. Ki jan ou panse li te fè rete nan travay sa pou si lontan san l pa kite travay la? Kisa Noye anseye nou de pèseverans?

Noye te gen 600 an lè dlo a te vin kouvri tout latè. (Lè Bondye te kreye latè, moun te viv pou anpil anpil tan.) Noye ak pitit gason li ansanm ak madanm li ak madanm pitit li yo te antre lach la pou yo echape dlo a. Bèt yo te vin sou Noye, epi yo antre lach la. Lapli te kòmanse pale epi sous ki te anba tè a te ouvri. Lapli te tonbe pandan 40 jou e 40 nwit. Tout moun mechan yo ki te sou latè te mouri. Noye ak fanmi li te viv paske yo te pèsevere e konstwi lach la menm jan Bondye te di yo.

• Di kek bagay difisil ke Bondye mande ou fè. Menm lè yo difisil, èske ou demontre pèseverans? Eske ou kontinye fè efò menm si bagay la difisil?

• Eske ou panse li pi fasil pou granmoun oubyen timoun pèsevere? Poukisa?

Yon lòt opsyon, si w gen tan:

Mete tout elèv yo nan gwoup de 5 elèv chak. Bay chak gwoup 6 moso twal oubyen 6 fèy papye. (Si w pa gen 6 moso twal, fè gwoup yo ale yonn aprè lòt. Chak gwoup sipoze panse ak yon fason diferan pou yo konplete aktivite a; se sa ki fè li enteresan!) Di yo ke yo sipoze fè kòm si gen yon gwo rivyè ki chaje kwokodil nan mitan sal klas la. Sèl fason yo ka travèse rivyè a se si yo sèvi ak bato (twal yo) ke ou ba yo. Yo sipoze fè tout moun nan ekip yo a travèse rivyè a san yo pa tonbe nan dlo a (soti sou twal la). Si yo travay ansanm, yo sipoze fè tout moun travèse dlo a. Pa egzanp, yo ka sèvi ak twal (oubyen papye yo) pou yo fè yon pon, epi mache de yonn a lòt. Fè sèten ke rivyè a byen laj. Oubyen yo ka mete yon “pon” anba chak pye epi trennen pye yo. Oubyen, pou yo fè tout moun travèse, chak moun nan bato a ka pote yon lòt moun.

Bay kèk minit pou chak ekip travay ansanm pou yo rezoud pwoblèm yo. Men plis egzanp: yon timoun gendwa voye yon moso twal (oubyen papye), vole sou li, voye yonn ankò, vole ankò. Li dwe fè sèten ke timoun piti yo ka soti sou yo tou. Oubyen yon gran timoun

Page 228: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

223KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: KITE LòT MOuN EDE MWEN Seksyon 7Leson 7

gendwa pote yon pi piti. Si timoun yo twouve li difisil pou yo jwenn ide pou yo akonpli sa, ba yo 1 ou 2 nan ide ki la yo. Lè tout moun fin travèse, fè timoun yo chita ansanm ak ekip yo epi pale sou eksperyans lan:

• Kisa ou te chanje pandan w tap travèse dlo a?

• Kisa ou te aprann sou jan ou ka ede yonn lòt pèsevere?

• Ki jan ou ka mete leson sa yo an pratik nan lavi pa ou lè ou rankontre yon difikilte?

Fen opsyon

3. Mennen Vi w ak PèseveransObjektif: Timoun idantifye moun ke Bondye ka sèvi pou ede yo pèsevere lè yo rankontre difikilte.

M ap ba ou kèk egzanp de difikilte ou gendwa rankontre e w ap vle pèsevere, men ou twouve ke li twò difisil pou w fè pou kont ou. Kote ki moun ou tap pral mande ede w?

• Ou gen difikilte nan kèk leson nan lekòl.

• Ou santi ou sèl nan nwit lan.

• Ou sonje bon zanmi w ki ale abite byen lwen.

• Ou vle sispann bay manti, men ou santi ou pa konn ki jan.

• Ou vle padonnen moun ki fè w mal la, men ou pa ka rive fè l pou kont ou.

Di timoun yo ke nan tout sitiyasyon sa yo, y ap vle priye Bondye. Bondye pafwa sèvi ak lòt moun pou ede nou pèsevere. Pafwa li ban nou bòn ide tou. Pafwa li fè nou panse ak yon bagay ki byen fasil pou nou fè, men ke nou pa t ankò wè.

Fèmen klas la e priye konsa:

Papa nou ki nan syèl la, nou di w mèsi paske ou mete moun nan lavi nou ki pou ede nou pèsevere. Fè m tounen yon moun ki ka ede lòt moun ki bezwen pèsevere tou. Mèsi, Sentespri, paske ou ede m pèsevere.

Page 229: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

224

Pèseverans: Akonpli Objektif MwenSeksyon 7 • Leson 8Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Moun ka konnen m pou pèseverans mwen.

Jodia timoun yo aprann enpòtans pèseverans pou anpil tan.

Jodia timoun deside depann de Bondye pou l ede yo pèsevere nan objektif yo.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Okenn

LÈ POU LESON AN1. Prezante Pèseverans

Objektif: Timoun ap aprann ke pèseverans gen plis valè ke talan san disiplin.

Mete nou nan gwoup de 3 elèv, epi chak gwoup deside kilès nan nou ki pral jije lòt yo. Lòt 2 yo pral chwazi yon defi de spò pou yonn lòt. Pa egzanp, ki moun ki ka sote plis, kouri pi vit, sote sou yon sèl pye? Ki moun ki ka pèsevere pi lontan?

Nou menm ki se jij yo, fè premye timoun nan ale. Konte konbyen fwa li fè spò l ap fè a. Lè l fini, dezyèm timoun nan dwe bat pou l fè plis ke sa.

Konsèy pou Pwofesè: Si gen elèv ki andikape, yo ka fè travay enpòtan jij la. Oubyen ba yo yon aktivite ke yo ka fè ki pa afekte andikap yo a.Lè yo fini, sanble tout elèv yo bò kote ou, epi mande yo:

• Kisa ki te pi difisil nan defi sa? Poukisa?

• Ki moun ki ka banm ti istwa tren yo ke nou te tande semènn pase?

Page 230: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

225KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: AKONPLI OBJEKTIF MWEN Seksyon 7Leson 8

• Ki jan aktivite nou jodia te diferan de istwa ti tren an semènn pase?

Ti tren an te al mande yon lòt ti tren ede li. Nan defi jodia a, timoun yo pa t jwenn moun pou ede yo.

Li fasil pou yon moun pèsevere pou yon jou oubyen menm yon semènn, men pafwa nou oblije pèsevere pou anpil plis tan ke sa. Jodia m vle rakonte ou yon istwa ki esplike jan pèseverans pote anpil byen. Moun ki pèsevere souvan akonpli anpil nan lavi yo.

Sa se istwa Toti ak Lapen an. Istwa sa pa nan Bib la. Se yon fab ki ekri pa yon nonm ki rele Esòp. Nou konn tande kèk nan fab nonm sa a nan lòt leson. Nan fab sa, li montre ke pèseverans pi enpòtan ke anpil avantaj yon moun ka genyen. Lè nou kontinye travay nan yon bagay jouskaske li fini, nou fè pi byen pase moun ki gendwa pi entèlijan oubyen ki gen plis talan. Paske moun ki gen lespri oubyen ki gen talan, si yo pa pèsevere, yo gendwa pa reyisi.

Yon fwa te gen yon lapen ki tap fawouche yon tòti. “Gade jan ou lan, ou pa ka mache vit menm?!” li di Tòti a.

Tòti a reponn, “Ou panse m ale dousman? Ann fè yon kous, e m ap kale w.”

Lapen an ri, li di konsa, “Gade jan w ap vante tèt ou! Men m ap vini. Ki moun pou nou mande jije kous la pou nou?”

Tòti a reponn, li di, “Ann mande rena a.”

Rena a te saj e li te jis. Li te montre yo kote pou yo kòmanse kous la, e kote kous la fini. Tòti a pa pèdi tan, li kòmanse mache. Li mache e li kontinye tou dwat san l pa kanpe.

Lapen an menm kòmanse vole devan byen vit jouskaske li kite Tòti a dèyè. Li te konnen li te ka rive nan finisman kous la byen vit, e li deside fè yon ti kouche pou l repoze.

Pita li leve, epi li sonje kous li tap fè ak Tòti a. Li leve, li pete kouri byen vit. Men lè l rive nan finisman kous la, li jwenn Tòti a te gentan kale li!

Rena a menm di, “Dousman e solid k ap genyen kous la.”

Nan gwoup de 3 elèv chak, fè timoun yo pale sou bagay sa yo:

• Ki moun nan istwa sa a ki te demontre pèseverans?

• Si lapen an te demontre pèseverans, èske istwa a tap diferan?

• Rena a te di ke “Dousman e solid k ap genyen kous la.” Kisa sa vle di?

Page 231: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

226 KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: AKONPLI OBJEKTIF MWENSeksyon 7 Leson 8

2. Eksplore PèseveransObjektif: Timoun ap imajine jan yon istwa te ka fini lè moun aji tankou Lapen oubyen Tòti a.

M ap ba ou kèk sitiyasyon ki te ka rive tout bon vre.

Jan ak Matye Jan te fò anpil, li te gen anpil lespri. Lekòl ane pase te byen fasil pou li. Li pa t oblije etidye anpil. Se konsa, li vin pa abitye etidye twòp. Lè li monte nan pi gwo klas kote travay la te pi difisil, li pa t konn ki jan pou l etidye byen. Matye pa t gen anpil lespri. Men chak jou li te fè travay li. Sa te mande anpil efò, men li te kontinye travay. Li te aprann etidye byen.

• Daprè ou, ki ti gason ki te tankou Lapen an? Poukisa?

• Ki jan lòt la te tankou Tòti a?

• Gade devan nan lavi timoun sa yo, lè yo vin granmoun. Ki jan ou panse lavi yo ap ye? Ki jan pèseverans ap ede Matye nan lavi li?

Souzi ak Monik Souzi te vle swiv Bondye chak jou. Chak jou li te mande Bondye ede li. Li te priye, e li te li Bib li pou l ka konnen kisa Bondye vle l fè. Monik te vle swiv Bondye chak jou, men li panse ke priye te pran twòp tan. Li pa t vle kite jwe pou l li Bib. Li deside l ap bat pou l fè Bondye plezi, men si bagay yo mal tonbe, l ap di ke lavi Kretyen an twò difisil pou li.

• Daprè ou, ki tifi ki te tankou Lapen an? Poukisa?

• Ki jan lòt la te tankou Tòti a?

• Gade devan nan lavi timoun sa yo, lè yo vin granmoun. Ki jan ou panse lavi yo ap ye? Ki jan pèseverans ap ede Souzi nan lavi li?

3. Mennen Vi w ak PèseveransObjektif: Timoun ap aprann kèk vèsè pa kè ki ka ede yo pèsevere.

Li toujou bon pou nou pran leson nan fab. Men leson ke nou pran nan Bib la, pawòl Bondye a, pi enpòtan anpil. Ann revize istwa nou te tande semènn pase sou Noye. M ap kòmanse yon fraz, e si ou vle fini fraz la pou mwen, leve men ou. Pa reponn, pa di anyen si m pa rele w.

• Tout moun sou latè sof Noye ak fanmi li te _______________________.

Mechan, vyolan, kowonpi

• Bondye te di Noye ke li tap _______________________.

Kouvri tout latè ak dlo e detwi tout moun ak tout latè.

Page 232: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

227KONSANTRE SOu FòMASYON KARAKTè

PèSEVERANS: AKONPLI OBJEKTIF MWEN Seksyon 7Leson 8

• Noye te demontre pèseverans nan konstwi _______________________.

Yon lach, yon gwo bato, menm lè vwazen mechan li yo tap fawouche li.

• Yon bagay nou ka aprann nan pèseverans Noye se _______________________.

Mande 3 timoun bay repons pou sa.

Separe timoun yo nan gwoup de 2.

Panse ak kisa ou ta renmen akonpli nan lavi ou avan ou gen 30 an. Ou ka di ke ou vle gen yon boutik pou w fè komès, oubyen ou vle vin yon pwofesè lekòl. Li ka se yon chanjman ou vle fè nan karaktè ou, tankou ou vle devni yon moun ki pa janm bay manti oubyen ou vle mennen vi w ak yon atitid pozitif. Di zanmi ou lan sa w chwazi a.

Ede yonn lòt deside kisa ou dwe fè depi kounyeya, e nan 20 an k ap vini yo, pou w ka akonpli objektif sa. Ou gendwa oblije etidye anpil nan lekòl. Ou gendwa oblije panse yon fason pozitif. Priye ak zanmi ou e mande Bondye ede nou pèsevere nan objektif nou yo.

Yon lòt opsyon

Bay chak timoun yon fèy papye. Timoun yo ka ekri objektif yo genyen pou lavi yo ansanm ak kisa yo oblije fè pou yo ka akonpli objektif sa. Ankouraje timoun yo sere papye sa yon kote pou l pa pèdi, epi tanzantan yo ka gade li pou yo ka sonje objektif sa yo vle akonpli a.

Fen opsyon

Nan yon lòt leson, nou te aprann 2 bèl vèsè nan Bib la. Nan premye a, se avèk nou Bondye ap pale. Nan dezyèm nan, se nou menm k ap pale ak Bondye. Koute pandan m li vèsè sa yo pou nou ankò.

Paske Bondye te di: Mwen p’ap janm vire do ba ou, mwen p’ap janm lage ou. Konsa, nou kapab di avèk konfyans:

Se Bondye k’ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?

Ebre 13.5–6

• Si timoun ki te nan istwa nou yo—Jan ak Matye, Souzi ak Monik—te konnen vèsè sa, ki jan sa tap ede yo pèsevere?

• Ki jan vèsè sa ka ede ou menm ou pèsevere tou?

Travay ak zanmi ou e bat pou w aprann vèsè sa yo pa kè.

Aprè 3 ou 4 minit, fèmen klas la e priye vèsè sa yo sou timoun yo kòm yon benediksyon.

Page 233: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

228

Fè Diskisyon epi Antann OuSeksyon 7 • Leson 9Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: Mande moun padon se yon bagay pwisan!

Jodia timoun yo aprann ki jan pou yo dispite ak moun e jan pou yo antann yo.

Jodia timoun deside antann yo ak moun nan fason ki pozitif.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Tablo ak lakrè oubyen yon gwo fèy papye ak fet • Papye • Kreyon

LÈ POU LESON AN1. Kalite Karaktè yon Moun: Bay Verite

Objektif: Timoun eksplore santiman ke yo genyen lè yo nan diskisyon ak moun.

Jodia n ap pale sou fason nou ka nan diskisyon ak moun san moun pa kenbe yonn lòt nan kè. Bib la di nou ke moun gendwa nan diskisyon, yo gendwa menm fache, si yo pa kite kòlè sa koz yo fè peche. M konnen ke m konn nan diskisyon ak fanmi oubyen zanmi mwen, ou gendwa konn nan diskisyon ak moun tou. Men avan, annou gade ki jan nou santi nou lè nou wè 2 moun ki nan diskisyon, oubyen lè se nou menm ki nan diskisyon ak moun menm. Ann chita nan yon wonn.

Mande timoun yo chita pre yonn lòt. Chita ansanm avèk yo. Lè yo fin ranje kò yo, di yo konsa:

Fèmen je nou e panse ak yon lè ou te wè yon moun te nan diskisyon ak yon lòt moun. Panse ak jan ou te santi w lè yo te nan diskisyon. N ap pase nan wonn sa a, e nou chak ap di yon sèl fraz. N ap kòmanse fraz la konsa, “Lè m te wè 2 moun nan diskisyon, m te santi m ______________, paske ______________________.” M prale avan. “Lè m te wè 2 zanmi m ap fè diskisyon, m te santi m fache, paske m pa t konn ki jan pou m fè yo rete.”

Page 234: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

229KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

Fè DISKISYON EPI ANTANN Ou Seksyon 7Leson 9

Chak timoun nan klas la dwe konplete fraz la nan fason pa yo. Timoun yo mèt repete sa lòt timoun di tou.

Kounyeya fèmen je w e panse ak yon lè ke se te ou menm ki te nan kont ak yon lòt moun. N ap pase nan wonn nan ankò e chak moun ap di yon fraz ankò. Fwa sa, fraz la kòmanse, “Lè m te nan kont ak moun sa m ap panse a, m te santi m__________________.” M prale avan. “Lè m te nan kont ak moun sa m ap panse a, m te santi m tris.”

Chak timoun nan klas la dwe konplete fraz la nan fason pa yo. Timoun yo mèt repete sa lòt timoun di tou.

Yon lòt opsyon:

Lè nou fini ak aktivite fraz sa nou sot bay la, mande timoun yo rete nan wonn nan, men fè tout moun vire pou yo fè fas a tablo a oubyen yon gwo fèy papye kote ou pral ekri. Mande timoun yo di byen fò “mo emosyon” ke yo te sèvi a. W ap ekri yo pandan yo di yo.

• Ki mo ki sanble?

Ansèkle mo ki sanble ke timoun yo di yo.

• Kilè nou sèvi ak mo sa yo?

Ekri repons yo nan yon lòt pati nan tablo a.

• Eske gen nan mo yo ki opoze yonn lòt?

Mete yon lin ant mo ki opoze yonn lòt yo.

Fen opsyon

Lè gen moun ki nan kont, sa kreye anpil emosyon ak santiman nan moun. Gen emosyon sou tèt pa ou, e lòt sou zanmi ou. Lè nou gen emosyon ki fò anpil, nou gendwa di bagay ke nou pa t dwe di, oubyen fè yon bagay nou konnen ki pa t bon. Aprè, nou santi nou mal, nou wont, e nou tris. Jodia nou pral aprann ki jan pou nou aji nan sitiyasyon sa yo.

2. Eksplore Antann Nou ak MounObjektif: Timoun ap panse ak fason pozitif pou yo antann yo ak moun.

Li istwa sa a:

Yon jou Matye ak Danyèl te antre klas syans yo ansanm. Yo tap pale byen pwòp ak yonn lòt. Se yo ki te rive an premye nan klas la, e pwofesè a pa t ankò antre klas la. Yo te byen kontan pou yo wè yon nouvo ekipman nan klas la, yon mikwoskòp. Se premye mikwoskòp ke lekòl la te janm genyen. Yo toulède te vle sèvi avè l anvan.

Page 235: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

230 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

Fè DISKISYON EPI ANTANN OuSeksyon 7 Leson 9

Yo kòmanse fè diskisyon e yo kòmanse batay pou ki moun ki tap prale avan. Matye pouse Danyèl, epi Danyèl tonbe, li frape mikwoskòp lan. Mikwoskòp la tonbe atè, e toulède ti gason yo sezi lè yo tande li kraze.

Kounyeya fèmen je w epi imajine se ou menm ki Matye. M vle pou w fini fraz sa a, “Si m te Matye, m tap_____________.” Pa egzanp, “Si m te Matye, m tap kouri al kache.”

Kite timoun yo bay ide pa yo. Pandan y ap bay ide pa yo, konte nan tèt ou sèlman konbyen fwa timoun yo di yo tap mande padon. Oubyen konbyen fwa yo di yo tap di pwofesè a ke se te fot pa yo. Oubyen konbyen fwa yo di, “M tap di Danyèl m ap netwaye sa e m ap asèpte konsekans yo.” Chache bon repons ke timoun yo bay. Pa di timoun yo ke w ap konte bon repons yo. Lè yo tout fin di kisa yo tap fè, kòmante sou sa yo di a. Pa egzanp:

M kontan tande ke (tèl) timoun te bay repons pozitif, tankou asèpte blam nan e netwaye sa k kraze a. Li bon ke anpil nan nou te di nou tap mande padon. Ou toujou dwe mande padon lè ou fè sa ki pa bon, epi fè yon bagay tou pou w montre ke kè w fè w mal vre. Li difisil pou moun rete fache ak yon lòt moun ki ap bat pou l fè sa ki dwat, menm aprè yon kont oubyen diskisyon.

Kanpe ak yon moun ki bò kote ou. Di yonn lòt de yon lè ke yon moun te vin mande w padon paske li te ofanse ou oubyen li te fè ou kèk mal. Ki jan ou te santi w?

Konsèy pou Pwofesè: Pare yon egzanp nan lavi pa ou pou w bay timoun yo tou.

3. Mennen Vi w yon fason pou w antann ou ak mounObjektif: Timoun yo ap aprann ki jan pou yo mete fen nan diskisyon nan yon fason pozitif.

Esplike timoun yo ke gen plizyè fason pou moun sispann fè diskisyon. Men 4 fason ou gendwa ekri sou tablo a si ou kapab.

Konte a 10.

Rete kalm

Deside pale pita lè san nou pa wo ankò.

Mande padon.

• Li toujou enpòtan pou w mande padon lè ou fè yon moun yon mal. Li enpòtan pou w montre moun nan ke ou regrèt sa w te fè a. Bay kèk fason ou ka demontre ke ou regrèt.

Timoun yo gendwa vini ak plizyè repons tankou sa yo. Pandan yo bay ide, ekri yo sou tablo a. Pase yon ti tan ak moun m te nan kont avèk li a.

Page 236: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

231KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

Fè DISKISYON EPI ANTANN Ou Seksyon 7Leson 9

Ede lòt moun nan ak yon travay oubyen ak devwa. Jwe ak lòt moun nan. Kite l gade yon liv oubyen jwe ak yon jwèt ki pou mwen. Di lòt moun nan, “M pap fè sa ankò.”

Tout sa yo se bòn ide. Men kite m ban nou yonn ankò. Ou dwe aji nòmal ak moun nan pou li ka konnen ke ou pa toujou fache avèk li e ou pa p chache vanje ou sou li.

Sa se yon bagay moun fè souvan lè yo nan kont oubyen diskisyon. Li enpòtan anpil pou nou antann nou ak yonn lòt. Si ou pa konnen ki jan pou w aji nan yon sitiyasyon, mande mwen menm oubyen yon lòt Kretyen pou konsèy.

Indira Gandhi, ki te yon chèf nan peyi Lend, te di yon fwa, “Ou pa ka bay moun lanmen si men ou fèmen.” Ale non, eseye bay moun lanmen ak men fèmen!

Chwazi yon timoun epi bat pou w ba li lanmen ak men ou tou fèmen. Ankouraje tout timoun yo fè sa. Li pa posib! Esplike ke Indira Gandhi te vle di ke “lè men nou fèmen, se kout pwen nou ka tire, se batay nou ka batay. Lè nou ouvri men nou, nou ka bay moun lanmen e mande li padon.”

Bib la gen anpil bagay pou l di sou kòlè moun. Koute vèsè sa yo nan Bib la ki rele Pwovèb. Se yon wa ki te saj anpil, Salomon, ki te ekri yo.

Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men si ou reponn li rèd, w’ap fè l pi eksite.

Pawòl ki soti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki soti nan bouch

moun san konprann, se pawòl san sans. Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Senyè a plezi,

Senyè a ap fè ata lènmi l yo aji byen avè l. Pwovèb 15.1–2; 16.7

Ankouraje elèv yo di vèsè yo ansanm avèk ou. Mande yo:

• Poukisa vèsè nan Bib sa yo enpòtan pou nou sonje?

• Si w ka panse ak yon lè ke yon repons dou te anpeche moun fache ak yonn lòt, di nou li.

Page 237: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

232 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

Fè DISKISYON EPI ANTANN OuSeksyon 7 Leson 9

Yon lòt opsyon:

Bay chak timoun yon fèy papye ak yon kreyon. Mande timoun yo pou yo desinen 2 moun ki nan diskisyon. Anba sa yo desinen a, yo sipoze ekri yon fraz ki esplike poukisa 2 moun yo nan kont. Lè yo fini, fè elèv yo twoke papye yo ak yon lòt timoun. Dezyèm timoun nan sipoze ekri nan papye a yon fason pou moun ki nan kont lan rezoud pwoblèm yo. Si gen tan ki rete, timoun yo ka montre klas la sa yo desinen an e bay esplikasyon sou ki jan yo ka rezoud pwoblèm yo.

Fen opsyon

Esplike timoun yo ke Papa nou Bondye vle pou moun ki renmen l yo antann yo byen, pou yo pa nan kont. Men menm lè yo nan kont oubyen y ap batay, Bondye vle pou nou toujou mande yonn lòt padon, pou nou antann nou ankò.

Esplike ke ou pral konte a 25 byen dousman. Chak fwa ou di yon chif, timoun yo sipoze bay yonn lòt lanmen epi di yonn lòt, “M pa vle nan kont avèk ou.” Lè ou rive nan 25, kanpe epi priye

pou timoun yo. Mande Bondye ede yo pa nan kont ak yonn lòt, e lè yo nan diskisyon, pou yo aprann mande yonn lòt padon.

Page 238: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

233

Atik Siplemantè

Tifi Ki Pèsekite Lòt TifiStephanie Bennett

Ti gason ki fache ak yonn lòt souvan rezoud pwoblèm vit e ak batay. Yo batay, yo tire kout pwen! Men lè tifi fache ak yonn lòt, pi souvan yo di yon bagay pou fè lòt la mal oubyen yo sispann byen avèk lòt la. Yo aji mal ak lòt tifi nan fason ki difisil pou moun wè, e souvan pèsonn pa remake ke yo gen yon pwoblèm. Men rezilta ki genyen lè tifi aji mal ak yonn lòt konsa fè mal tankou yon kout pwen. Si ou pa swiv sa k ap pase, ou pa p wè l menm.

Men kèk fason yon tifi gendwa pèsekite oubyen aji mal ak yon lòt tifi:

Fawouche li Moke li

Joure li Pouse li

Refize pale avèk li Bay move rega

Ensilte li Bay vye koze sou li

Bay manti sou li

Poukisa Tifi Pèsekite Lòt Tifi

Lè yon timoun entimide oubyen aji mal ak yon lòt tifi, se pou l ka retire konfyans ak pwisans lòt tifi a. Ou menm ou gendwa pa wè ke yon tifi ap maltrete yon lòt paske li gendwa fèt nan moman kote pa gen anpil aktivite: lè y ap manje, lè y ap jwe, lè yo pral sou kabann. Maltrètman sa konn fèt lè granmoun pa p tèlman swiv de prè sa timoun yo ap fè.

Poukisa tifi aji konsa ak yonn lòt? Pafwa, yo pa fè sa pa eksprè. Tifi ki pi jenn oubyen ki apenn antre anviwònman an gendwa ap fè efò pou fè moun asèpte yo. Yo gendwa pa konnen ki jan pou yo fè sa, e gen tifi ki fawouche yo paske yo pa aji tankou yo menm. Pafwa, sa ka rezoud pwoblèm nan. Men pafwa, tifi ke y ap maltrete a ka bezwen yon granmoun ba li konsèy.

Tifi k ap Maltrete Lòt

Pafwa yon tifi k ap maltrete oubyen pèsekite lòt timoun gen pwoblèm pa li. Li gendwa santi li sèl, oubyen li pa gen konfyans, oubyen li gen anpil rankin nan kè li. Li gendwa gen kèk pwoblèm serye; li gendwa ap soufri de abi fizik, seksyèl oubyen emosyonèl. Tifi sa gendwa boulvèse e li panse se si li entimide lòt timoun li ka vin gen pouvwa. Li gendwa jalou oubyen manke konfyans nan tèt pa li. Li gendwa ap chache moun ba li atansyon.

Page 239: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

234 ATIK SIPLEMANTè

TIFI KI PèSEKITE LòT TIFI

Ki Jan Lidè Ka Ede?

Kisa granmoun ka fè nan sitiyasyon sa? Yo ka kòmanse pale. Ede chak tifi konprann kisa ki asèptab e kisa ki pa sa. Gen tifi ki gendwa pa konprann jan aksyon yo ap rann lòt moun mizerab. Fè yo konnen ke maltrete oubyen entimide lòt timoun se toujou yon bagay mal. Si yon tifi ap bat pou w fè yon timoun santi li piti, ke li pa enpòtan, oubyen l ap bat pou l maltrete li, sa toujou yon bagay mal.

Lè ou idantifye yon tifi ke lòt pi gwo tifi ap entimide oubyen maltrete, pale avèk li pou kont li sou pwoblèm serye sa. Asire li ke sa se pa fot li. Pale avè l sou ki jan li santi l. Fè l konnen ke li pa sèl, e li pa bezwen santi l wont. Si ou wè kèk bagay ke li menm l ap fè ki ankouraje lòt timoun fawouche oubyen maltrete li, di l sa pou l ka konn ki jan pou l chanje.

Ki Jan Viktim nan Ka Ede Tèt Pa Li?

Pafwa viktim nan pa ka ede tèt pa li. Fè l konnen ke li ka vin kote ou si li pa konn ki jan pou l rezoud pwoblèm nan. Men men kèk bagay ou ka ba li ide fè:

•Li ka di lòt tifi yo pou yo sispann aji mal avèk li. Li ka di yo ke sa fè li mal. Pafwa sa ka fè yo sispann.

•Li ka iyore yo. Ede viktim nan konsantre sou sa ki bon nan relasyon ke li genyen ak moun. Fè l sonje ke li pa sèl.

•Li ka di yon granmoun sa k ap pase.

Menm lè nou pap janm ka elimine entimidasyon konplètman, li enpòtan po tifi konprann ke y ap santi yo mye e y ap fè lòt moun pi kontan si yo aprann janti, sitou ak yon tifi ki gendwa diferan de li menm ak zanmi li. Bondye Papa nou ki nan syèl la renmen chak nan pitit li yo. Lè pitit li yo fè yonn lòt mal, pa eksprè ou non, sa fè Bondye mal tou.

Page 240: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

235

Sispann Entimide e Maltrete Lòt TimounSeksyon 7 • Leson 10Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: M pa p tolere timoun k ap entimide lòt timoun.

Jodia timoun yo aprann ki jan pou yo idantifye lè yon timoun ap maltrete lòt e ki jan pou yo fè l rete.

Jodia timoun deside mete tèt ansanm pou yo fe moun sispann entimide lòt.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Yon moso bwa oubyen yon kòd ki ka sanble ak yon koulèv • Moso bwa pou chak timoun; sanble yo avan klas la

Yon lòt opsyon: • Papye • Kreyon • Tablo oubyen yon gwo fèy papye ak desen yon koulèv sou li. • Yon bwat katon ki make “Pa Bay Koulèv la Manje.”

LÈ POU LESON AN1. Kalite Karaktè yon Moun: Sispann Maltrete Lòt

Objektif: Timoun aprann sa ki rele entimidasyon.

Montre timoun yo moso bwa a oubyen kòd la e esplike yo:

Nou pral fè kòm si sa se yon koulèv. Nou pral rele li “Koulèv Entimidasyon.”

Konsèy pou Pwofesè: Si w bay timoun yo yon objè pou yo kenbe nan men yo, sa ka fè yo pi enterese nan leson an. Yo pral mande tèt pa yo, “Kisa bagay sa ye?” e y ap pi anvi koute leson an.Bay timoun yo kèk minit pou yo jwenn yon moso bwa. Chak timoun ap genyen Koulèv

Page 241: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

236 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

SISPANN ENTIMIDE E MALTRETE LòT TIMOuNSeksyon 7 Leson 10

Entimidasyon pa yo. Si li pa posib pou timoun yo sanble bwa byen vit, vini ak enpe ti bwa nan klas la e bay chak timoun yonn. Timoun yo sipoze kenbe koulèv yo anlè. Esplike yo ke koulèv yo pral fè yo sonje jan entimide moun danjere e jan sa fè lòt moun mal.

Yon lòt opsyon:

Avan timoun yo vini, desinen yon gwo koulèv long sou tablo a epi divize li an plizyè pati. Ekri “Koulèv Entimidasyon” anlè koulèv ou desinen an.

Bay timoun yo papye ak kreyon. Di yo pou yo desinen yon koulev pou tèt pa yo. Lè ou pral mande ki jan moun te entimide Jezi ak Jozèf, fè timoun yo ekri aksyon yo sou koulèv pa yo. Ou ka ekri aksyon yo bò kote koulèv pa w lan tou.

Fen opsyon

Jodia nou pral aprann sa k rele entimidasyon e ki jan nou ka fè moun sispann maltrete lòt. Nou gen yon koulèv, paske nou konnen, si koulèv mòde ou, li fè mal anpil. Se konsa tou, entimide e maltrete moun toujou fè mal. Pafwa li fè mal tou piti, pafwa li fè mal anpil.

Se vre ke moun te eseye entimide Jezi tou. Koute sa ki te pase.

Granprèt tanp lan te mande Jezi pou disip li yo ak sou sa li te konn ap anseye. Jezi esplike ke li te pale ouvètman ak tout latè, e granprèt la sipoze mande moun yo kisa Jezi te di. Yonn nan chèf yo vini, li bay Jezi yon kalòt nan figi, li di byen fò, “Eske se konsa pou w reponn Granprèt la?”

Jezi di konsa, “Si m di yon bagay mal, di m non. Men si m te di verite a, poukisa ou banm kalòt sa?”

• Ki jan yo te dèyè entimide Jezi?

Yo te ba l kou oubyen yon kalòt.

Jezi pa t kouri, ni li pa t pè. Li te mande nonm nan poukisa li te bat li. Men Jezi pa t pè moun ki tap maltrete li a. Anpil timoun ak granmoun tou pè timoun ki entimide

Page 242: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

237KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

SISPANN ENTIMIDE E MALTRETE LòT TIMOuN Seksyon 7Leson 10

lòt timoun. Yo pa konnen ki jan pou yo fè yo sispann maltrete lòt timoun. Jodia, nou pral pale sou ki jan nou ka fè yo sispann.

Ann gade yon lòt egzanp entimidasyon nan Bib la. Ou konnen istwa sa paske ou te tande li kèk semènn pase. Jozèf te gen kèk gran frè ki te jalou. Yo pran l, yo lage l nan yon pwi. Li te gendwa pè anpil. Aprè sa, yo vann Jozèf kòm esklav.

• Ki jan yo te dèyè entimide Jozèf?

Yo lage l nan yon pwi, yo vann li.

Yon lòt opsyon, si w gen tan:

Gen yon lòt istwa ankò nan Pati 3. Si ou pa gen tan pou toulède istwa yo, kite istwa sa ki anba, epi kontinye ak leson an.

Kounyeya m pral ba ou yon istwa sou yon tifi ki te rele Marilèn. Lòt timoun tap maltrete li. Li tap pase yon move sezon nan lavi li.

Matant li te mennen l nan yon pansyon paske manman l te twò malad, li pa t ka pran swen Marilèn. Marilèn pa t gen anpil byen, paske paran l te vann prèske tout afè yo pou yo te ka achte manje. Li te kontan ke li te ka toujou kenbe ti liv papa l te ba li avan li te mouri.

Lekòl la te nan yon lòt vil, e li te pè anpil jouskaske li te wè plizyè timoun la ki tap jwe ak kè kontan. Yonn nan granmoun yo te mennen l nan yon chanm nan pansyon an kote li tap dòmi ak 9 lòt tifi. Madanm nan te ba li yon inifòm. Marilèn te pran liv papa l ba li a, li mete l anba zoreye li, li mete inifòm li, epi li soti deyò pou l ale jwe ak lòt timoun yo deyò a.

Yonn nan timoun yo deyò a gade Marilèn epi li kòmanse ri. Aprè yon ti moman, tout timoun yo te remake ke Marilèn te mache bwate. Marilèn te fè tout lavi li ap mache bwate e li te menm bliye sa. Men kounyeya, pèsonn pa t vle jwe avèk li. Se fawouche yo vle fawouche l sèlman. Aprè yon moman, Marilèn remake ke kèk tifi tap pale nan zòrèy yonn lòt epi yo kouri kote yonn lòt, y ap pale nan zòrèy. Li vin aprann poukisa. Yo te gentan vin gen yon vye non pou li. Yo kòmanse rele l “Kokobèn.”

Nan semènn ki swiv lan, yonn nan timoun yo vin bay yon manti sou Marilèn, li di lòt yo ke Marilèn te vòlè yon mango, li pete kouri pou yo pa kenbe li. Nan kouri a, li tonbe epi li kokobe. Se konsa, manti a vin pran, epi timoun yo vin rele Marilèn “Vòlè Mango” tou.

Lè lè a rive pou yo manje, pèsonn pa t vle pale ak Marilèn. Li santi li sèl. Li santi l pi tris chak jou.

Yon jou swa, lè li tap pral dòmi, li vin wè ke yo vòlè zoreye li ak tout liv papa l te ba li a. Li kòmanse kriye gwo kriye, sitèlman li te tris. Lòt tifi yo tonbe ap ri, ap fawouche li k ap kriye a. Li te vle kouri ale. Li te panse ke l te pito rete nan lari ke rete ak timoun sa yo ki fawouche li, ki moke li, ki fè manti sou li.

Page 243: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

238 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

SISPANN ENTIMIDE E MALTRETE LòT TIMOuNSeksyon 7 Leson 10

• Tifi pansyon an te maltrete Marilèn nan plizyè fason. Kisa yo te fè? Ann ekri repons yo sou koulèv la.

Elèv yo gendwa reponn ke timoun yo: fawouche Marilèn, yo pran afè li, yo moke li, yo pale l mal, yo fè manti sou li, yo pa okipe li, yo pa pale avèk li.

Fen opsyon

• Koulèv sa gentan devni yon move koulèv. Eske ou ka panse ak lòt fason ke moun maltrete lòt moun?

Kite timoun yo bay lòt repons ak ide pa yo.

Ramase tout koulèv ak moso bwa oubyen kòd timoun yo, epi mete yo yon kote pou timoun yo pa ka wè yo. Esplike klas la ke ou pa vle y ap panse ak vye koulèv sa yo pandan n ap pale sou fason pou nou fè moun sispann entimide lòt moun. Epi, efase koulèv ki nan tablo a tou.

2. Eksplore Ki Jan Nou Ka Fè Moun Sispann Maltrete Lòt.Objektif: Timoun aprann ki jan pou yo aji ak moun k ap entimide lòt.

Lè yon moun ap maltrete ou, oubyen si ou wè yon lòt moun k ap entimide lòt, fò w deside si sa se yon sitiyasyon ke ou ka rezoud pou kont ou. Pafwa w ap kapab, pafwa ou pa p kapab. Si ou pa kapab, w ap bezwen mande yon granmoun ede ou.

Menm jan ou pa ka pile yon koulèv pou anpeche li mòde ou, se konsa tou, ou pa sipoze rete kote yon moun ap entimide ou.

Pa egzanp, si ou menm oubyen yon moun ou konnen ap sibi entimidasyon oubyen ou an danje, ou sipoze rele byen fò, mande moun vin ede ou. Si moun k ap maltrete w ou di li pral bay kou, oubyen li pral kòmanse kraze kèk bagay, oswa mete dife nan yon bagay, di yon granmoun sa lamenm. Menm si sitiyasyon an pa danjere, ou dwe toujou konsidere pale ak yon granmoun sou sa k ap pase a.

Yon lòt opsyon, si w gen tan:

Men yon lòt ide ou ka itilize pou w fè moun sispann entimide lòt: bay blag!Lè ou fè moun ri, sa se yon bèl zouti kont moun k ap maltrete e entimide lòt moun. Sa pa p toujou mache, men pafwa nou ka fè sa. M bezwen yon timoun vin ede m demontre ki jan nou ka fè moun ri pou fè yo sispann entimide lòt.

Pwofesè, di nan zòrèy elèv k ap ede ou, “Di m ke rad mwen lèd.”

Elèv la di pwofesè a: “Gade jan rad ou lèd non!”

Page 244: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

239KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

SISPANN ENTIMIDE E MALTRETE LòT TIMOuN Seksyon 7Leson 10

Pwofesè: “O! Se pou w te wè li avan m lave l!”

Pwofesè, di nan zòrèy elèv k ap ede ou, “Di m se yon enbesil.”

Elèv la di pwofesè a: “Eyyyy! Enbesil!”

Pwofesè: “Enbesil pa la non, l ale travay!”

Pafwa nou ka reponn ak yon blag, e moun k ap entimide lòt la ka kòmanse ri tou. Men sa pa p toujou mache. Pa gen yon sèl bagay ki toujou mache pou fè moun sispann maltrete lòt.

Fen opsyon

Lè yon moun ap maltrete ou menm oubyen yon zanmi ou, sonje 4 bagay:

Di li rete.

Mande moun k ap veye pou yo ede, olye de ankouraje maltrètman an.

Pa entimide ni maltrete l an repons.

Ede, rekonfòte e fè zanmi ak moun y ap maltrete a.

• Ann panse pou yon ti moman sou Marilèn, tifi ki te nan pansyon an. Si ou te yonn nan tifi nan chanm avèk li, ki jan ou tap bat pou w fè lòt timoun yo sispann maltrete li? Sonje Marilèn tap kriye lè timoun yo pran zoreye ak liv li.

Pale ansanm sou tout repons ke timoun yo bay, menm repons ki pa twò bon yo. Nenpòt repons yon timoun bay kote li vle vanje li oubyen maltrete an repons pa bon, e sa ka pote plis danje menm. Si pèsonn pa bay okenn move repons, ofri yo kèk ide. Mande yo kisa ki tap pase si yon timoun te bay li kou oubyen di betiz. Sa fè bagay la vin pi mal ankò.

M konnen ke premye reyaksyon nou gendwa aji mal ak sa k ap maltrete lòt timoun nan. Men sa fè bagay yo pi mal. Nou pito panse ak fason pozitif pou nou ede Marilèn e fason pou nou aji ak sa k ap maltrete li yo. Petèt yon jou Bondye ka voye ou ede yon timoun tout bon vre, la nan katye nou an.

3. Mennen Vi w yon fason pou w fè moun sispann maltrete lòt.Objektif: Timoun ap pratike fason yo ka aji ak yon timoun k ap maltrete lòt, e y ap ede viktim nan.

Avan klas la, koupe chak paragraf nan istwa “Jou Mak la” nan fen leson an e bay 5 timoun yon pati nan istwa a pou yo li nan klas la.

Page 245: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

240 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

SISPANN ENTIMIDE E MALTRETE LòT TIMOuNSeksyon 7 Leson 10

Esplike ke Mak nan yon pansyon. Fè elèv ki gen ti papye yo li papye yo nan lòd yonn aprè lòt. Nan fen chak paragraf, mande klas la idantifye ki jan timoun yo ap maltrete Mak. Aprè sa, mande yo kisa Mak te ka fè pou l fè timoun sispann entimide li. Lèfini, mande klas la, si yo te la, kisa yo tap fe pou yo ede Mak. Aprè chak kesyon, nou bay kèk repons, men elèv yo gendwa bay kèk lòt tou.

Move Jou Mak laPati 1 Mak leve, e li gentan pa kontan. Li pa t vle ale lekòl jou sa. Li te konnen ke jodia pa tap yon bon jou, li tap yon move jou menm jan ak chak jou. Mak te desann al manje, li pran plas li. Yon gwo ti gason rele byen fò, “A monchè, ou chita twò pre m!”, epi gwo gason an pouse Mak e Mak sot tonbe nan chèz li. Gwo ti gason an di konsa, “Fè wòl ou tande, rete nan plas ou avan m bat ou.”

• Ki jan timoun yo ap maltrete e entimide Mak?

Yo menase li. Yo rejete li. Yo ba l manti.

• Ki jan ou menm ou ka fè yo sispann maltrete Mak?

Pale ak Mak e di l pa okipe lòt gwo ti gason an. W ap oblije gen anpil kouraj pou w pale ak Mak paske move ti gason an gendwa kòmanse entimide ou tou.

• Ki jan Mak ka fè yo sispann maltrete li?

Mak gendwa pa okipe lòt ti gason an, oswa, si posib, li ka ale chita yon lòt kote san l pa di anyen. Oubyen Mak ka di yon bagay tankou, “Sa fè m mal ke w ap pase yon move maten, men jan w ap pale a, w ap fè m pase yon move jounen tou. Pa pale avè m konsa.”

Pati 2 Mak mache pou l ale nan klas li. Tout ti gason yo tap tann li, menm gwo gason ki te konn fawouche li yo. Yonn nan yo rele l, “Eyyy, kote w jwenn vye kreyon sa?” Gwo gason an rape kreyon an nan men Mak. “Gade yon vye kreyon, mesye,” epi li lage kreyon tou nèf Mak la nan plant yo atè a.

• Ki jan timoun yo ap maltrete e entimide Mak?

Yo entimide li. Yo pran afè li. Yo jete afè li.

• Ki jan ou menm ou ka fè yo sispann maltrete Mak?

Ou ka di, “Eyyy, monchè, sa w fè a pa bon. Mak, m ap ede w chache kreyon an. M konn jan sa ye lè ou pèdi yon bagay ou renmen.”

• Ki jan Mak ka fè yo sispann maltrete li?

Mak gendwa di, “Kreyon sa pou mwen, e m bezwen li. Pa manyen afè m.”

Page 246: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

241KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

SISPANN ENTIMIDE E MALTRETE LòT TIMOuN Seksyon 7Leson 10

Pati 3 Mak antre klas la. Pandan l chita, li wè yonn nan tifi nan klas la ap gade li, epi li pale nan zòrèy zanmi li. Zanmi a ri, epi li di yon lòt timoun koze a. Yo tout tap ri Mak. Mak santi li kòmanse wont. Li rete ap gade biwo l sèlman.

• Ki jan timoun yo ap maltrete e entimide Mak?

Y ap di vye koze sou li. Y ap fawouche li.

• Ki jan ou menm ou ka fè yo sispann maltrete Mak?

Di tifi yo, “Sa w ap fè a pa bon”. Di l fò ase pou Mak tande tou. “Nou pap fè tèt nou pi enpòtan si nou maltrete Mak non. Bondye pa renmen jan n ap aji la.”

• Ki jan Mak ka fè yo sispann maltrete li?

Mak gendwa di yonn nan tifi yo, “Si se sou mwen n ap pale, m ta renmen konn kisa n ap di.”

Pati 4 A midi, Mak ale nan plas li pou l manje. Yon fwa ankò, gwo ti gason sou tab la di l byen fò, “Non! Ou pa gendwa chita la.” Mak chita kanmenm paske se plas sa ki te pou li. Lòt ti gason an di ankò, “Nou pa vle ou la tande. Fè wout ou.” Mak manje byen vit epi li leve ale, san l pa pale ni gade okenn moun.

• Ki jan timoun yo ap maltrete e entimide Mak?

Y ap pale di avèk li. Y ap pale mal avèk li. Yo fache pou anyen.

• Ki jan ou menm ou ka fè yo sispann maltrete Mak?

Anonse byen fò, “M pral pale ak Mak. M vle pale avèk li sou (di yon bagay ke Mak renmen oubyen ke li te fè).”

• Ki jan Mak ka fè yo sispann maltrete li?

Mak gendwa mande yon granmoun si l mèt chanje tab.

Pati 5 Nan rekreyasyon, pèsonn pat mande Mak vin jwe, epi li rete kanpe ap gade lòt timoun yo k ap jwe. Touswit, yon tifi parèt, li rele Mak yon vye non. Lòt timoun yo ki te la tonbe ap ri. Mak sitèlman tris li tonbe ap kriye. Sa fè timoun yo fawouche l pi mal ankò.

• Ki jan timoun yo ap maltrete e entimide Mak?

Yo pa okipe li. Yo fawouche l, rele l vye non.

• Ki jan ou menm ou ka fè yo sispann maltrete Mak?

Pale ak Mak envite l vin jwe avèk ou. Pa okipe move timoun yo e di Mak ke ou pa renmen timoun konsa. Di Mak ke se pa fot li.

Page 247: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

242 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

SISPANN ENTIMIDE E MALTRETE LòT TIMOuNSeksyon 7 Leson 10

• Ki jan Mak ka fè yo sispann maltrete li?

Mak ka di tèt li ke li se yon bon moun e yon bon zanmi. Li ka aprann ke si li montre lòt timoun ke li tris poutèt sa y ap fè a, yo ka fawouche l pi mal. Li ka pale ak yon pwofesè sou sa.

Kanpe la epi priye pou timoun tankou Mak. Ou gendwa di, “Papa nou ki nan syèl la, nou konnen ou pa vle pou okenn nan pitit ou maltrete. Sa fè ou mal e sa pa onore ou. Ede nou pou nou pa entimide ni maltrete moun ditou. Nou konnen ke ou tap renmen sa.”

Kounyeya nou dekouvri plizyè fason nou ka aji anfas entimidasyon. Li pa fasil pou w konfwonte yon moun k ap entimide lòt, men ou gendwa sezi wè jan ou ka fè yo kanpe si ou pa pè yo.

Ann tout moun bat pou nou fè kote nou ye a yon kote ki pa gen entimidasyon, ki pa gen maltrètman. Pa kite moun sa yo fè ou pè, ni zanmi ou yo tou. Ann koute vèsè sa:

Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l pou yo. Matye 7.12

Pran koulèv yo kote ou te kache yo. Bay chak moun yon koulèv ankò. Mande chak timoun kase koulèv la yon pakèt ti moso epi voye l jete. Si se desen yo te fè nan papye, fè yo chire papye a ti moso epi jete yo.

Lè nou kase (oubyen chire) koulèv nou yo, n ap sonje ke nou pa pèmèt okenn moun maltrete lòt moun isi a. Sonje, lè ou wè moun k ap maltrete lòt, ou gen 2 chwa. Swa ou ka fè moun nan kanpe, oubyen al mande yon granmoun fè sa pou ou.

Priye vèsè Matye a sou timoun yo, e site non chak timoun si posib. Si gen twòp timoun, priye sou tout gwoup la yon sèl kou.

Senyè, ede (non timoun) aji ak lòt timoun jan li vle moun aji avèk li. Nou mande Sentespri a ede nou janti ak yonn lòt. Nou priye w konsa nan non Jezi, amèn.

Page 248: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

243KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

SISPANN ENTIMIDE E MALTRETE LòT TIMOuN Seksyon 7Leson 10

Koupe 5 pati sa yo sou lin yo epi bay 5 diferan timoun yo paragraf pou l li pou klas la.

Move Jou Mak la_______________________________________________________________________

Pati 1 Mak leve, e li gentan pa kontan. Li pa t vle ale lekòl jou sa. Li te konnen ke jodia pa tap yon bon jou, li tap yon move jou menm jan ak chak jou. Mak te desann al manje, li pran plas li. Yon gwo ti gason rele byen fò, “A monchè, ou chita twò pre m!”, epi gwo gason an pouse Mak e Mak sot tonbe nan chèz li. Gwo ti gason an di konsa, “Fè wòl ou tande, rete nan plas ou avan m bat ou.”

_______________________________________________________________________

Pati 2 Mak mache pou l ale nan klas li. Tout ti gason yo tap tann li, menm gwo gason ki te konn fawouche li yo. Yonn nan yo rele l, “Eyyy, kote w jwenn vye kreyon sa?” Gwo gason an rape kreyon an nan men Mak. “Gade yon vye kreyon, mesye,” epi li lage kreyon tou nèf Mak la nan plant yo atè a.

_______________________________________________________________________

Pati 3 Mak antre klas la. Pandan l chita, li wè yonn nan tifi nan klas la ap gade li, epi li pale nan zòrèy zanmi li. Zanmi a ri, epi li di yon lòt timoun koze a. Yo tout tap ri Mak. Mak santi li kòmanse wont. Li rete ap gade biwo l sèlman.

_______________________________________________________________________

Pati 4 A midi, Mak ale nan plas li pou l manje. Yon fwa ankò, gwo ti gason sou tab la di l byen fò, “Non! Ou pa gendwa chita la.” Mak chita kanmenm paske se plas sa ki te pou li. Lòt ti gason an di ankò, “Nou pa vle ou la tande. Fè wout ou.” Mak manje byen vit epi li leve ale, san l pa pale ni gade okenn moun.

_______________________________________________________________________

Pati 5 Nan rekreyasyon, pèsonn pat mande Mak vin jwe, epi li rete kanpe ap gade lòt timoun yo k ap jwe. Touswit, yon tifi parèt, li rele Mak yon vye non. Lòt timoun yo ki te la tonbe ap ri. Mak sitèlman tris li tonbe ap kriye. Sa fè timoun yo fawouche l pi mal ankò.

Page 249: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 250: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

245

Entelijans Emosyonèl 1Seksyon 7 • Leson 11Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: M konnen ki jan m santi m.

Jodia timoun yo aprann idantifye emosyon yo.

Jodia timoun deside di Bondye ki jan yo santi yo, ki emosyon yo genyen.

MATERYÈL KE W AP BEZWENYon lòt opsyon: • Yon tèmomèt, oubyen yon papye ak kreyon pou w desinen yon tèmomèt • Si w vle: Gwo fèy papye ak fet, oubyen tablo ak lakrè • 5 chansonèt ki reprezante 5 santiman diferan—kèk bon, kèk mal. Ou mèt jwe

nan yon CD, nan telefòn ou, oubyen yon lòt fason. Si ou pa gen mizik pou sa, nou ba ou yon lòt opsyon nan leson an

Konsèy pou Pwofesè: Prepare pou leson swivant lan! Ou pral bezwen pare kèk ankourajman—swa oral oubyen ekri—pou chak elèv. Sa pral pran yon ti tan, men l ap yon trezò pou elèv yo.

Yon Nòt pou ou menm, Pwofesè:Pou yon moun aprann idantifye emosyon pa yo se yon bagay de baz ke yon moun dwe aprann pou l ka konprann jan emosyon afekte lavi li. Leson k ap vini yo enpòtan anpil. W ap ankouraje timoun yo gade manti ke yo konn tande sou emosyon. Manti sa yo anpil fwa anpeche moun eksprime e idantifye emosyon yo nan fason ki bon. Pou nou rekonèt manti sa yo, timoun ka avèti anpil pwoblèm ke moun konn rankontre ki anpeche yo devni granmoun ki an sante.

Pandan w ap anseye leson sa yo, gen timoun ki gendwa vle pale de emosyon ke yo te kenbe anndan yo menm. Yonn nan emosyon yo gendwa se depresyon, menm si timoun nan pa konn kisa li ye.

Rete vijilan pou w ka idantifye siy sa yo de depresyon:

Santi l tris prèske tout tan

Souvan fache oubyen irite

Santi ke li pa yon bon moun

Page 251: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

246 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 1Seksyon 7 Leson 11

Pa anvi fè aktivite li te konn renmen

Santi l fatige tout tan

Twouve li difisil pou l prete atansyon oubyen konsantre

Gen tèt-fè-mal oubyen vant-fè-mal souvan

Panse souvan ak lanmò oubyen touye tèt pa li

Fè ide blese tèt pa li oubyen yon lòt moun

LÈ POU LESON AN1. Kalite Karaktè yon Moun: Entèlijans Emosyonèl

Objektif: Timoun aprann idantifye emosyon yo e idantifye anpil mit ak manti ke moun konn bay sou emosyon.

Semènn sa nou pral pale sou emosyon.

• Ki jan ou santi w kounyeya?

Li gendwa pi fasil si ou reponn kesyon an anvan, sitou si timoun yo pa konnen ki jan pou yo reponn. Lèfini, mande chak timoun reponn tou. Aplodi timoun ki bay repons yo. Si gen yon timoun ki di li pa konn ki jan li santi l, ankouraje l e di l ke pafwa moun pa konnen oswa yo boulvèse nan sa yo santi.

• Kisa ki rele emosyon?

Kite timoun yo reponn, epi ajoute nenpòt sa yo te bliye. Emosyon oubyen santiman se reyaksyon ke moun genyen poutèt sa ki rive otou de yo, e sa ki rive nan lespri yo.

Emosyon se yon kado Bondye ban nou pou ede nou konprann tèt pa nou e lòt moun, e kisa k ap pase nan lavi nou. Gen kèk mo nou sèvi pou nou pale sou yo. Emosyon moun ka chanje byen vit. Ou ka kontan yon moman, epi fache yon lòt.

Pafwa ou santi ke ou kole nan yon emosyon pou yon bon ti tan. Si ou wè ou santi w tris pou 2 semènn ou plis e ou pa ka gen kè kontan, ou dwe pale ak yon granmoun sou sa.

Emosyon moun ka fèb oubyen fò.

Yon lòt opsyon:

Montre timoun yo yon tèmomèt pou ede yo konprann santiman yo. Oubyen desinen yon gwo tèmomèt sou yon gwo fèy papye oubyen tablo a. Esplike ke gen kèk mo ki demontre emosyon ki fèb. Gen mo ki pale de emosyon ki mwayen. Gen mo ki pale de emosyon ki fò anpil. Endike tèmomèt la, epi pandan w ap pale sou diferan mo yo e poze kesyon sa yo,

Page 252: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

247KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 1 Seksyon 7Leson 11

montre timoun yo kote mo sa yo tap tonbe nan tèmomèt, selon nivo mo a. Gen emosyon ki “cho”, genyen ki “frèt”, genyen ki nan mitan.

Fen opsyon

• Bay 3 mo ki di ke ou santi w byen. Ki mo ki mwayen nan tèmomèt la? Ki mo ki pale de emosyon ki fò?

Timoun yo gendwa di yo kontan, yo jwaye, yo gen kè kontan.

• Bay 3 mo ki di ke ou fache. Ki mo ki mwayen nan tèmomèt la? Ki mo ki pale de emosyon ki fò?

Timoun yo gendwa di fache, an kòlè, nève.

Mennen yon konvèsasyon ak klas la ki pale sou plizyè sitiyasyon kote yo gendwa gen plizyè santiman oubyen emosyon. Mande timoun yo ki jan yo tap reyaji si yo te kontan. Ki jan yo tap aji si yo te gen kè kontan? Ki jan yo tap aji si yo te nève? E ki jan yo tap aji si yo te fache anpil?

Pafwa santiman moun fè yon diferans nan ki jan kò ou aji. Pa egzanp, si yon moun pè, li gendwa vin gen vant-fè-mal oubyen li gendwa menm vomi.

• Si ou gen kè sote, ki jan kò ou gendwa reyaji?

Timoun yo gendwa di yo ka gen vant-fè-mal, yo gendwa swe nan tèt, anba bra, nan men. Jenou yo gendwa tranble. Men yo gendwa tranble. Yo gendwa santi yo toudi. Yo gendwa santi kè yo ap bat fò oubyen vit.

• Ki jan kò ou gendwa reyaji si ou fache?

Ou gendwa santi misk nan kò ou vin kontrakte, yo sere. Epòl ou gendwa fèmen. Men ou gendwa fèmen e sere. Ou gendwa vin cho oubyen figi ou fè yon grimas.

Tout emosyon, kit yo fè ou santi w bon oubyen fè w santi w mal, yo nòmal. Tout moun konn genyen ni bon, ni move emosyon. Ou pa ka kontwole ki emosyon ou vin genyen, men ou ka kontwole ki jan ou reyaji a emosyon yo. Nan leson k ap vini an, n ap pale sou ki jan ou ka reyaji nan bon fason.

Yon lòt opsyon, si w gen tan:

Esplike ke kounyeya timoun yo pral site tout emosyon yo kapab. Ou ka fè chak timoun bay yonn, epi ekri sa yo di a sou tablo a oubyen yon gwo fèy papye. Mete emosyon pozitif yo sou yon bò tablo epi emosyon negatif yo sou lòt bò a. Kontinye jouskaske timoun yo pa ka panse ak lòt emosyon ankò.

Lis sa nou ba ou a pa konplèt, men nou separe yo selon emosyon pozitif oubyen negatif. Ou pa bezwen mete tout sa yo nan lis timoun yo. Men, lè elèv yo fini, ajoute 3 ankò nan mo pa ou. Sa ka ede timoun yo ogmante vokabilè emosyonèl yo.

Page 253: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

248 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 1Seksyon 7 Leson 11

Emosyon pozitif: kontan, jwaye, eksite, sezi, konfidan, respekte, onore, apresye, optimis, konpetan, fò, an sekirite, enspire, brav, fyè, rekonesan, amoure, plen amou, plen konpasyon.

Emosyon negatif: irite, fristre, fache, nève, ensanse, annwiye, pè, enkyèt, krent, abandone, santi w sèl, rejete, san espwa, tris, deprime, wont, koupab, jalou, rayisan, amè, derespekte, boulvèse, vekse.

Fen opsyon

Kounyeya m pral di w kèk fraz, epi nou pral di m si chak fraz se Vre oubyen se Manti. Lè m li yon fraz, si ou konn se Manti, ou sipoze kanpe. Si fraz la se Vre, rete chita. Aprè chak fraz, n ap pale sou repons lan.

Nou mete aktivite sa pou timoun yo ka kòmanse konprann gen anpil bagay ke moun kwè sou emosyon ki pa vre. Nou vle ede timoun yo devlope yon bon konpreyansyon de emosyon. Ou mèt ajoute lòt bagay ke moun nan peyi kote w abite a kwè de emosyon ki pa vre, ki se manti.

1. Nou pa janm sipoze santi nou tris. (Pran yon ti poz pou timoun yo reponn—swa kanpe oubyen rete chita, si yo panse fraz sa Vre oubyen se Manti.)

Sa se Manti: Tout emosyon nòmal. Nou gendwa pa renmen lè nou tris, men tout moun pase moman kote yo tris. Tristès la pa dire pou tout tan.

2. Si ou pale de emosyon ou, sa ede w santi w pi byen. (Pran yon ti poz pou timoun yo reponn—swa kanpe oubyen rete chita, si yo panse fraz sa Vre oubyen se Manti.)

Sa se Vre: Si ou pale ak yon moun sou jan w santi w, sa ka ede relache emosyon ou. Li bon tou paske ou ka vin wè ke ou pa sèl.

3. Ti gason pa janm sipoze kriye, paske sa demontre feblès yo. (Pran yon ti poz pou timoun yo reponn—swa kanpe oubyen rete chita, si yo panse fraz sa Vre oubyen se Manti.)

Sa se Manti: Kriye se yon reyaksyon ki nòmal lè moun gen emosyon ki negatif. Tout moun kriye, menm granmoun, menm gason. Lè ou kriye, kò ou deklanche kèk òmònn ke ede w santi w mye. Men, menm si yon moun kriye, li sipoze toujou pale sou emosyon li tou.

4. Tout moun doute pafwa. (Pran yon ti poz pou timoun yo reponn—swa kanpe oubyen rete chita, si yo panse fraz sa Vre oubyen se Manti.)

Sa se Vre: Pafwa tout moun doute e yo pa konnen si yo fò ase, si yo bèl ase, si yo bon ase, etc. Men ou pa bezwen kwè nan dout sa yo. Rejete yo e pa kite yo dekouraje ou.

5. Tifi pa janm sipoze fache. (Pran yon ti poz pou timoun yo reponn—swa kanpe oubyen rete chita, si yo panse fraz sa Vre oubyen se Manti.)

Sa se Manti: Fache se yon repons nòmal lè yon bagay pa jis, lè yon moun derespekte

Page 254: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

249KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 1 Seksyon 7Leson 11

ou, lè bagay yo pa mache jan w ta vle. Pafwa se fache yon moun fache ki enspire li lite kont enjistis.

Bay klas la istwa sa.

Plis ke 50 an pase, nan pati sid Ozetazini, te gen yon madanm nwa ki te gen 42, ki te rele Rosa Parks. Yon chofè bis te di di madanm nan pou l leve bay yon nonm blan plas li sou bis la. A lepòk, te gen lwa enjis. Lwa sa yo te baze sou yon kwayans ke moun blan pi bon ke moun nwa. Se konsa, moun nwa pa t sipoze mele ak moun blan nan lari. Moun nwa te sipoze chita nan fon bis la pou blan te ka chita devan. Rosa Parks te yon madanm estrayòdinè ki pa t kwè nan lwa enjis sa yo. Li pa t dakò moun di li kote pou l chita, kote pou l pa chita. Se konsa, ak kouraj, li refize bay blan an plas li. Anpil moun te louwe li pou desizyon sa, men li te soufri anpil poutèt li te refize bay plas li. Lamenm, lè li refize a, yo arete li, e li pèdi djòb li. Kòlè li kont enjistis la te fè l chita pou sa ki te dwat. Li te konnen ke tout moun gen valè; pa gen moun ki pi bon pase lòt. Madanm sa te enspire anpil moun aji kont enjistis tou.

Kounyeya, annou retounen nan kesyon m tap poze nou yo.

6. Si w kenbe tout emosyon ou anndan, ou pa montre moun yo, sa ka fè ou malad. (Pran yon ti poz pou timoun yo reponn—swa kanpe oubyen rete chita, si yo panse fraz sa Vre oubyen se Manti.)

Sa se Vre: Anpil etid syantifik montre nou ke lè nou fèmen tout emosyon nou anndan nou, sa ka fè nou malad—li ka ban nou tèt-fè-mal, vant-fè-mal, grip, menm kansè.

7. Tifi gen plis emosyon ke ti gason. (Pran yon ti poz pou timoun yo reponn—swa kanpe oubyen rete chita, si yo panse fraz sa Vre oubyen se Manti.)

Sa se Manti: Tout moun gen menm emosyon. Men pafwa, tifi gendwa santi yo plis ke ti gason poutèt òmònn k ap mache nan kò yo.

8. Moun ki fò anpil pa janm demontre emosyon yo. (Pran yon ti poz pou timoun yo reponn—swa kanpe oubyen rete chita, si yo panse fraz sa Vre oubyen se Manti.)

Sa se Manti: Ti gason ak tifi ki fò gen konfyans ak kouraj pou yo demontre emosyon yo. Yo konnen ke si ou pale sou emosyon ou, sa se yon bagay ki bon pou ou, ki demontre matirite ou, menm si moun di se pa vre.

9. Moun pa ka kontwole jan yo aji lè yo fache. (Pran yon ti poz pou timoun yo reponn—swa kanpe oubyen rete chita, si yo panse fraz sa Vre oubyen se Manti.)

Sa se Manti: Ou pa ka kontwole emosyon ke w genyen, se vre, men se responsabilite pa ou pou w kontwole jan w ap aji. Ou toujou gen yon chwa sou fason ke ou pral reyaji. Lè ou fache, ou pa oblije rele nan tèt moun, joure, ni batay ak moun. Ou ka pale sou kòlè ou ak respè.

Page 255: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

250 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 1Seksyon 7 Leson 11

10. Emosyon mwen yo enpòtan. (Pran yon ti poz pou timoun yo reponn—swa kanpe oubyen rete chita, si yo panse fraz sa Vre oubyen se Manti.)

Sa se Vre: Si ou konsantre sou emosyon ou, w ap aprann plis sou tèt pa ou. Pa kite moun di ou ke emosyon oubyen santiman pa enpòtan, oubyen yo pa vre. Ou gendwa santi tout emosyon yo. Ou sipoze pale sou yo nan yon fason ki onore tèt pa ou ak lòt moun tou.

2. Eksplore Entèlijans EmosyonèlObjektif: Timoun ap vin pi alèz pou yo santi e eksprime emosyon yo.

Devan klas la, di yon emosyon, epi kite timoun aji tankou y ap santi emosyon sa. Fè aktivite sa plizyè fwa, e kreye yon anviwònman pou timoun yo jwe avèk li.

Nou pral pratike emosyon nou ansanm. M pral di yon emosyon. Nou menm, nou pral mache nan klas la, e ak kò, figi, vwa nou ak mouvman nou, nou pral montre m ki jan yon moun aji si li gen emosyon sa. N ap fè chak emosyon pou 30 segonn apepre.

Yon lòt opsyon:

Avan klas la, chwazi kèk chanson ki eksprime emosyon ki pozitif oubyen negatif, tankou kontan, tris, pè, fache, plen espwa.

M pral mete yon ti mizik, e m ap di yon emosyon. Nou pral leve, mache nan klas la e ak kò, figi, vwa nou ak mouvman nou, nou pral montre m ki jan yon moun aji si li gen emosyon sa. N ap fè chak emosyon pou 30 segonn apepre. N ap fè sa 5 fwa.

Fèmen aktivite a ak yon emosyon ki pozitif.

Fen opsyon

W ap bezwen patisipe ak timoun yo e bay ekspresyon ki egzajere, pou fè timoun yo ri, pou yo menm yo ka angaje nan aktivite a tou. Si yo aprann relache e eksprime emosyon yo, sa ka ede timoun yo pou rès lavi yo. Sa ede timoun yo konn ki jan pou yo aji lè yo gen emosyon ki fò.

Men yon lis de ki jan timoun yo gendwa reyaji pou chak emosyon. Si yo pa konnen ki jan pou yo aji, ba yo kèk ide.

Kontan: danse, fè mouvman vit, vole, vire, leve men anlè, mache nan tout klas la, ri, chante, wonwonnen.

Fache: mouvman entans, mache gwo pa, men klanche, bay kout pwen, fè grimas, move figi.

Page 256: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

251KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 1 Seksyon 7Leson 11

Tris: mouvman dous, bay figi tris, pa gade lòt moun, kriye, swiye dlo nan je.

Kè sote oubyen pè: mache vit, sezi, ouvri je byen laj, ouvri bouch byen laj, bat men nan kè pou w montre batman kè, men k ap tranble, kanbe bò mi a, kenbe men yon moun, sezi lè yon moun pase bò kote w.

Konfyan ak espwa: Kanpe dwat tèt anlè, souri, gade moun nan je, salye moun, bay lanmen, pale ak moun ak kè kontan.

3. Mennen Vi w ak Entèlijans EmosyonèlObjektif: Timoun ap di Bondye ki emosyon y ap santi.

• Eske Bondye gen emosyon?

Bay 2 egzanp nan Bib la ki demontre ke Bondye gen emosyon.

Jezi te santi kè l fè l mal e li te kriye. Lè Laza te mouri, sè Laza yo, Mari ak Mat ansanm ak kèk lòt jwif tap kriye ak lapènn e tristès. Kè Jezi te fè l mal pou yo e li kriye. Li te kriye! Bib la di ke Jezi te kriye e vèsè a nan Bib la byen kout, men li enpòtan anpil. Li montre nou ke Jezi gen emosyon menm jan avèk nou. Aprè Jezi te kriye, li te fè yon mirak e li te leve Laza nan lanmò. Lè ou tris e ou nan lapènn, sa fè Jezi mal tou.

Bondye renmen: Bondye sitèlman renmen ou ke li te voye sèl pitit gason li vin mouri pou ou. Renmen se yon emosyon ki fò anpil!

• Ki jan ou santi w de Bondye?

Fè timoun yo konnen ke yo ka di Bondye nenpòt sa yo santi. Li vle yo pale avèk li sou emosyon yo. Fèmen ak lapriyè; di timoun yo priye nan kè yo, epi di yo pou yo di Bondye yon santiman kontan ak yon santiman tris ke yo santi.

Page 257: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

252

Entelijans Emosyonèl 2Seksyon 7 • Leson 12Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: M fè fas a emosyon mwen.

Jodia timoun yo aprann ki jan pou yo fè fas a emosyon yo.

Jodia timoun deside rebati resous pou yo ka simonte emosyon yo.

MATERYÈL KE W AP BEZWENYon lòt opsyon: • Yon gwo fèy papye ak fet, oubyen yon tablo ak lakrè • Yon lis de 10 fason pou timoun fè fas a emosyon yo, ekri avan klas • Yon anvlòp pou chak elèv • Kreyon desen • Papye • Yon ti nòt ki ekri pou chak elèv, pare e ekri avan klas

Yon Nòt pou ou menm, Pwofesè:Kounyeya ke timoun yo pi alèz pou yo idantifye emosyon yo, yo pral konstwi kèk fason pou yo fè fas a emosyon ki difisil. Avèk asistans Bondye, yo pral sèvi ak strateji sa yo pou tout lavi yo. Yo kapab sèvi avèk yo tou pou yo ede lòt timoun ki gen pwoblèm emosyonèl.

Avan klas, fè sèten ke ou pare yon ti lèt pou chak elèv—yon ti nòt de ankourajman pou yo chak. Si se ekri w ap ekri yo, ou gendwa pare 2–3 anplis pou se gen timoun ki pa konn vini ki prezan jodia. Ou gendwa di yon bagay konsa: “Jakòb, sonje ke Jezi ka geri kè ou de tout lapènn ke ou genyen.” Oubyen yon bagay tankou: “Marilèn, sonje ke Jezi la avèk ou menm lè ou tris e ou santi w sèl.”

LÈ POU LESON AN1. Kalite Karaktè yon Moun: Entèlijans Emosyonèl

Objektif: Timoun aprann jan pou yo fè fas a emosyon yo nan yon fason ki pozitif.

Jodia nou pral pale plis sou emosyon. Nou pral pale ki jan pou nou aji lè nou gen emosyon ki difisil. Sa nou pral aprann jodia pral ede nou anpil pou nou santi nou

Page 258: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

253KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 2 Seksyon 7Leson 12

pi byen. Nou ka sèvi ak yo tou pou nou ede lòt moun ki nan pwoblèm. Sonje, emosyon yo menm pa ni bon, ni mal. Tout moun gen emosyon. Nou gendwa pa ka kontwole ki emosyon nou genyen, men nou toujou ka kontwole ki jan nou reyaji ak emosyon yo.

• Ki emosyon ki difisil?

Avan nou pale sou bon fason pou nou fè fas a emosyon nou, annou pale sou kèk fason ki pa bon avan.

• Eske ou ka bay kèk fason ke moun mal-aji oubyen reyaji mal lè yo gen emosyon ki difisil?

Pandan timoun yo reponn, fè yo di ou poukisa reyaksyon sa yo nan egzanp y ap bay yo pa mache.

Men kèk fason ke moun ka reyaji ki pa bon, ki negatif:

Sèvi ak dwòg oubyen alkowòl. Sa ede yon moun santi l pi byen pou yon ti tan sèlman. Men sa pa rezoud pwoblèm moun nan. Lè moun pran dwòg oswa yo bwè twòp, moun nan pa ka reflechi byen, e sa ka mennen nan plis pwoblèm toujou.

Iyore emosyon oubyen fè kòm si yo pa la. Sa fè emosyon negatif yo vin pi fò e ka fè yon moun malad.

Vyolans, rele nan tèt moun, di betiz. Sa pa rezoud pwoblèm e sa fè lòt moun mal tou. Lè moun pale nan kòlè—menm si yo pa t vle di sa yo di a—yo pa janm ka repran mo ke yo te di a.

Li istwa sa pou klas la.

Te gen yon ti gason ki te gen yon move tanperaman. Lè l te konn fache, li te konn di tonton li anpil move bagay. Yon jou, tonton an te bay ti gason an yon ti bwat plen klou, e li di ti gason an ke nenpòt lè li di yon bagay ki fè lòt moun mal, li pral oblije klouwe yon klou nan yon ti miray dèyè kay la. Premye jou a, ti gason an klouwe 37 klou. Nan semènn ki swiv yo, ti gason an aprann metrize kòlè li. Li pa rele nan tèt tonton li jan l te konn fè. E chak jou, li klouwe mwens klou ke avan. Ti gason an vin dekouvri ke li ka metrize pawòl li ak aksyon li menm lè li fache.

Aprè sa, jou a vin rive kote ti gason an pa fè kòlè menm yon sèl fwa. Li di tonton l sa, epi tonton l di l konsa, “Kounyeya chak jou ki pase ke ou pa fè kòlè, wap rale yonn nan klou ou te klouwe yo soti.” Chak jou ke l metrize kòlè li, li rale yon klou. Aprè kèk semènn, li di tonton l ke pa gen klou ki rete menm.

Tonton an mennen ti gason an bò miray kote ti gason an te klouwe klou yo epi retire yo ankò yonn pa yonn. Tonton an di konsa, “Ou fè byen, jennonm, men gade tout tou ki rete nan miray la. Miray la pap janm jan li te ye. Lè ou di yon bagay ou pa

Page 259: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

254 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 2Seksyon 7 Leson 12

dwe di, ou kite yon sikatris—yon mak—menm jan ak sa. Si ou foure yon kouto nan bò kòt yon moun, ou mèt di l ‘eskize’ anpil fwa, men plè a ap toujou rete.

Ti gason an vin konprann jan pawòl li te gen anpil pouvwa. Li gade tonton l, li di konsa, “Tonton, m swete ke ou ka padonnen m pou tout jan ke m te blese w ak pawòl mwen.”

Tonton an reponn, “Mewi, m padonnen w.”

Kounyeya annou gade 10 etap de ki jan nou ka metrize nou e fè fas a emosyon nou nan yon fason ki pozitif.

Pale ak elèv yo sou 10 etap sa yo (fraz ki soulinye yo). Si w gen tan tou, ou ka pratike kèk nan etap yo ak klas la. Sa ap ba yo plis chans pou yo itilize resous sa si bagay sa yo rive yo tout bon vre.

Yon lòt opsyon:

Ekri 10 etap sa yo (fraz ki soulinye yo) sou tablo a oubyen sou yon gwo fèy papye.

Fen opsyon

Jodia nou pral pale sou ki jan pou nou kalme nou si nou boulvèse oubyen si nou nan sitiyasyon ki difisil. Lè nou kalme nou, nou ka egzamine ki jan nou santi nou e kisa n ap panse. Lè emosyon nou fò anpil oubyen nou pa ka metrize yo, li difisil pou nou reflechi yon fason ki klè. Si nou reflechi byen, sa ap ede nou evite fè yon bagay ke n ap regrèt pita. Epitou reflechi byen ka ede nou jwenn solisyon pou pwoblèm ke nou genyen an. Men kèk bagay nou ka fè pou nou relache kò nou. Se konsa, n ap ka fè fas a emosyon nou, menm kòlè, epi reflechi yon fason pou nou egzamine sa ki dwat.

1. Respire e konte a 3! Pafwa sèvo nou pa jwenn ase oksijèn lè nou fache. Sèvo nou bezwen anpil oksijèn pou l ka konnen ki jan pou nou aji. Men sa nou kapab fè: Pran yon gwo souf, e pandan w ap rale souf la, konte a 3. Kenbe souf la e konte a 3 ankò. Lèfini, relache souf la e konte a 3 pandan w ap fè sa. Repete sa 3 fwa oubyen jouskaske ou santi w mye.

Si w gen tan, fè timoun yo fè egzèsis sa.

2. Kontrakte epi relache misk ou. Lè nou boulvèse, misk kò nou ka vin rèd san nou pa menm remake sa. Annou pratike kontrakte misk nou anpil, pou yo di anpil, lèfini, n ap deklanche yo. Ann kòmanse ak pye nou, janm nou, vant nou, do nou, bra nou, men nou, epòl nou, ak figi nou. Lè nou fini, n ap santi nou pi alèz.

Si w gen tan, fè timoun yo sere misk yo, konte jouska 5, epi relache yo ankò. Fè plizyè pati nan kò nou.

Page 260: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

255KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 2 Seksyon 7Leson 12

3. Konte a 10 dousman. Gen moun ki twouve li bon pou yo si yo konte a 10, menm a 100, pou yo ka kalme tèt yo avan yo pale, sitou si yo fache. Lè yo fè sa, yo pa p di anyen ke y ap regrèt pita.

4. Reve! Imajine yon kote ki bèl, kote ou alèz. Oswa panse ak yon bèl memwa. Oswa, panse ak yon bagay ke ou ta renmen fè yon jou. Si nou panse ak lòt bagay, sa ka ede nou kalme nou.

Si ou gen tan, bay klas la 1 minit pou yo reve de yon bagay, epi mande kèk nan yo pou di klas la ak kisa yo tap panse.

5. Koute mizik. Pafwa si nou koute mizik, sa ka fè nou relache nou, e li ka distrè nou tou. Pafwa, si nou fè yon ti danse, li ka fè kè nou kontan ankò.

6. Fè spò. Kouri, jwe boul, menm fè menaj nan kay la ka ede nou relache enèji negatif nou an. Epitou sèvo nou voye òmònn nan kò nou lè nou fè gwo aktivite ki ka ede nou santi nou gen kè kontan ankò.

7. Ri! Chache yon bagay pou w ri. Lè nou ri, sa relache òmònn nan kò nou ki ka fè nou sispann gen doulè e fè nou gen kè kontan ankò.

Si w gen tan, ede timoun pratike ri. Ou ka menm ba yo yon ri pou fè yo ri tou! Ou gendwa twouve ke pafwa menm lè yon moun ap fè kòm si l ap ri, li pral ri tout bon vre.

8. Pale sou sa! Pale sou sa n ap santi ka fè nou santi nou pi bon. Pafwa lòt moun gen ide ki ka ede nou rezoud pwoblèm nou yo.

9. Idantifye emosyon ou. Kisa m ap santi la? Pafwa nou gen plizyè emosyon a la fwa. Si nou idantifye yo, nou ka konprann tèt pa nou pi byen.

10. Li Bib la epi priye. Nou ka toujou pale ak Bondye sou emosyon nou e mande li ede nou. Li pawòl li ka rekonfòte nou tou.

Bay timoun sa yo vèsè sa yo epi pale sou yo. Ou gendwa vle mete yo nan mo pa ou pou timoun yo ka konprann mo ki difisil yo. Si l posib, ekri vèsè sa yo sou tablo a avan klas. Timoun yo gendwa sèvi avèk yo nan seksyon k ap vini an.

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans, mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n ap lapriyè.

Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lezòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan JeziKri.

Filipyen 4.6–7

Page 261: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

256 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 2Seksyon 7 Leson 12

Se mwen ki konnen sa m gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Senyè a k’ap pale.

Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n’ap

tann lan. Lè sa a, n’a rele m, n’a vin lapriyè nan pye m, m’a reponn nou. Jeremi 29.11–12

Men, mwen rele Senyè a, Bondye mwen, l’a delivre mwen. Maten, midi, aswè, m’ap plenyen, m’ap plenn. L’a tande vwa mwen.

Som 55.16–17

Ou gendwa twouve ou santi w pi bon aprè ou fè yonn oubyen plizyè nan egzèsis sa yo. Ou gendwa pa bezwen fè anyen ankò. Men gen kèk emosyon, tankou lapènn, ki pran plis tan. Egzèsis sa yo nou ba ou la p ap retire lapènn ou.

Gen moun ki tris anpil oubyen ki gen kòlè anpil. Gen moun ki gen yon imaj negatif de tèt pa yo. Nou pral pale sou emosyon sa yo nan klas k ap vini an.

2. Eksplore Entèlijans EmosyonèlObjektif: Timoun resevwa ankourajman ke ou ba yo.

Di timoun yo ke ou gen yon sipriz pou yo. Rele non chak timoun. Chak timoun dwe pase devan, e w ap ba li yon ti ankourajman nan zòrèy li.

Mande tout moun chita jouskaske tout timoun fin pase devan. Di sa k ap tann yo ke yo ka priye oubyen reflechi sou konbyen Bondye renmen yo. Sa se yon moman de refleksyon sèlman.

Yon lòt opsyon:

Bay chak elèv yon anvlòp. Di timoun yo ke yo pral mete yon pe bagay nan anvlòp yo ki ka ede yo konn ki jan pou yo fè fas a emosyon yo. Mete kreyon desen, papye, ak nenpòt lòt bagay ou genyen yo ka sèvi pou yo dekore, pou timoun yo ka dekore anvlòp yo.

Pandan y ap dekore anvlòp yo, rele chak timoun devan pou yo resevwa yon ti nòt de ankourajman ke ou te ekri pou yo avan klas la. Di timoun yo poko li nòt la—annik mete l nan anvlòp la pou yo gade pita.

Fen opsyon

Page 262: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

257KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 2 Seksyon 7Leson 12

3. Mennen Vi w ak Entèlijans EmosyonèlObjektif: Elèv yo ajoute mesaj pa yo nan pa w lan.

Mande timoun yo panse ak yon ti mo yo ka bay kèk lòt timoun nan gwoup la. Bay yo kèk minit pou yo ale kote kèk lòt timoun pou yo ofri yo ankourajman. Kenbe moman sa yon moman de lwanj—pa kite l tounen tèt chaje. Raple timoun yo tou ke si yo wè gen kèk timoun ki pa jwenn ankourajman pou yo ale kote li pou yo ba li ankourajman. Nou vle pou chak timoun resevwa 2 ou 3 mesaj de ankourajman.

Fèmen ak lapriyè e mande Bondye rekonfòte nenpòt timoun ki gen emosyon ki difisil, e ede timoun yo rekonfòte yonn lòt.

Page 263: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

258

Entelijans Emosyonèl 3Seksyon 7 • Leson 13Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: M ka gen emosyon ki pozitif.

Jodia timoun yo aprann ki jan pou yo ranplase emosyon negatif ak emosyon pozitif.

Jodia timoun deside sèvi ak sa yo aprann pou yo konn ki jan pou yo fè fas a emosyon ki negatif e ki fè yo soufri.

MATERYÈL KE W AP BEZWENYon lòt opsyon: • Filipyen 4.8 ekri sou yon gwo fèy papye oubyen sou tablo a avan klas.

Yon Nòt pou ou menm, Pwofesè:Jodia timoun yo pral aprann jan pou yo fè fas a emosyon ki negatif e difisil. An patikilye, yo pral aprann jan pou yo ranplase emosyon ak panse negatif yo ak emosyon e panse pozitif. Li enpòtan anpil ke timoun yo devlope konfyans, e ak asistans Bondye, konfyans nan tèt pa yo pou yo chanje emosyon pa yo.

Avan klas, aprann vèsè sa pa kè epi ekri l sou yon gwo fèy papye oubyen sou tablo a.

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre,

ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p’ap fèn nou wont. Filipyen 4.8

Page 264: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

259KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 3 Seksyon 7Leson 13

LÈ POU LESON AN1. Kalite Karaktè yon Moun: Entèlijans Emosyonè

Objektif: Timoun aprann idantifye emosyon negatif yo epi ranplase yo ak emosyon ki pozitif.

Nan leson avan an, nou te pale sou emosyon ki difisil. Nou te aprann fason pou nou kalme nou e idantifye kisa n ap santi, e kisa n ap panse, avan nou reyaji.

• Kisa nou ka fè pou nou kalme nou? Sonje, yonn se te pou nou respire an 3! Te gen 9 ide ankò. Ki moun ki sonje kisa yo te ye?

Jodia nou prale pi lwen. Lè nou fin kalme nou e nou idantifye kisa nou santi e kisa n ap panse, nou prèt pou nou chanje emosyon nou. Men, si nou vle fè sa, nou dwe konprann jan emosyon nou mache. Emosyon nou se yon reyaksyon an chènn.

Pandan w ap pale ak timoun yo sou pwosè chanje emosyon negatif yo, swiv chema sa a. Kòmanse sou bò goch nan klas la. Pandan w ap travèse sal klas la, esplike ki jan emosyon travay. W ap kòmanse sou bò goch nan sal klas la, e w ap kontinye pandan w ap pale pou w fini sou bò dwat la.

(Bò goch nan sal la) Gen yon bagay ki rive (pran kèk pa vè dwat la) Nou panse sou li (pran kèk pa vè dwat la ankò) Sa n ap panse a afekte jan nou santi nou (Bò dwat nan sal la) Emosyon nou afekte jan nou aji.

Bay 2 egzanp sa yo ak menm evènman an, men diferan panse pou w ka ilistre kòman jan n ap panse afekte emosyon nou. Ou mèt bay egzanp pa ou yo, sitou si ou panse egzanp ke nou ba ou yo ap twò difisil pou kèk nan timoun yo. Pandan w ap pale sou egzanp yo, travèse sal la chak fwa, de goch rive a dwat.

Egzanp 1: Evènman: Papa m ale kite tou. Panse nou: Li sanble rayi m vre. M sanble fè yon bagay ki fè l fache anpil. M pa bon menm. Emosyon nou: tris, fache, rejete, san valè, pa gen konfyans. Aksyon nou: Kite sa e pa eseye fè zanmi ni fè anyen de nouvo, rete fèmen pou moun pa fè m mal ankò.

Egzanp 2: Evènman: Papa m ale kite nou. Panse nou: Li gendwa gen pwoblèm pa li; se pa fot pa m ke li kite mwen. M se yon moun ki gen anpil valè pou Bondye. Bondye sitèlman renmen m e li vle fè m gwo travay pou li. Emosyon nou: M santi m tris e m fache, men m gen espwa pou avni mwen kanmenm. M gen konfyans, m gen valè. Aksyon nou: Mete objektif pou avni mwen, travay di nan lekòl e fè plis zanmi.

Page 265: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

260 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 3Seksyon 7 Leson 13

Yon lòt opsyon, si w gen tan:

Separe timoun yo nan plizyè ti gwoup. Bay chak gwoup sitiyasyon sa yo epi fè yo chache jwenn yon reyaksyon pozitif pou chak evènman. Rele plizyè gwoup vin di klas la ki reyaksyon yo mete.

Sitiyasyon 1: Ti sè m pa byen nan tèt. (Panse. Emosyon. Aksyon)

Sitiyasyon 2: Paske m wo, tout moun panse m ap fò nan fè spò, men m pa gen okenn talan menm. (Panse. Emosyon. Aksyon)

Sitiyasyon 3: Li lè pou m peye lekòl, men nou pa t gen rekòlt nan jaden an ane sa paske pa t gen lapli. (Panse. Emosyon. Aksyon)

Sitiyasyon 4: Nou pral abite nan yon gwo vil pou papa m ka jwenn travay. (Panse. Emosyon. Aksyon)

Sitiyasyon 5: Tout poul nou yo malad epi tout mouri. (Panse. Emosyon. Aksyon)

Fen opsyon

Si nou vle chanje emosyon nou yo ki difisil, nou dwe chanje jan n ap panse. Panse nou se ti vwa anndan nou menm k ap pale ak tèt pa nou. Nou toujou ap pale ak tèt pa nou nan lespri nou sou tèt pa nou, sou lòt moun, sou sa k ap pase bò kote nou, sou sa ki rive nou deja, e sou sa k gen pou rive tou.

Gen nan panse nou ki vre, men gen nan yo ki pa vre tou. Nou gen plizyè panse sou tèt pa nou ki pa vre e ki pa pozitif. Pa egzanp, èske ou janm mete sa nan tèt pa ou: “M pa bon ase.” oubyen “M pap janm reyisi.”?

Pafwa nou entèprete sitiyasyon nan yon move fason. Pa egzanp, lè nou wè enpe tifi k ap pale nan zòrèy yonn lòt, nou gentan mete nan tèt nou, “Se sou mwen y ap di koze,” menm si se pa vre. Pafwa ide sa yo fe nou gen move panse sou tèt pa nou e sou lòt moun tou. Epitou, panse negatif sa yo vin pi fò lè nou gen emosyon negatif tou.

Bib la di nou ki jan pou nou gen emosyon ak panse pozitif. Koute vèsè sa. Si ou kwè vèsè sa tout bon, ou pap tonbe nan pyèj move panse.

Avan klas, ekri vèsè sa sou yon fèy papye oubyen sou tablo a, si posib.

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p’ap fèn nou wont.

Filipyen 4.8

Page 266: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

261KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 3 Seksyon 7Leson 13

• Olye de mete gen panse negatif de tèt pa nou, kisa Bib la di pou nou konsidere?

• Sou ki bon bagay ou ka mete lide ou? Sou kisa ki merite lwanj?

Imajine ke kè w pa kontan. Petèt ou fache. Ki jan pou w chanje emosyon ou? Se pou w kòmanse ak lide ou, panse ou. Lè ou vin wè ke ou gen move lide oubyen manti nan tèt ou nan ou menm, di tèt ou, “Kanpe!” Epi ranplase move lide yo ak bon lide pito.

Esplike ke ou pral travèse sal la ankò. Kòmanse sou bò goch la, kontinye jouk mitan sal la, epi kontinye sou dwat la ankò. Di elèv yo ke se konsa pou w mete vèsè sa an pratik.

(Kòmanse sou bò goch la) Egzamine panse ou (ale vè mitan sal la) Kanpe panse negatif (Fini sou bò dwat la) Chwazi panse pozitif

Si w kite Bondye ede ou, ou ka vin fò nan ranplase move lide ou ak bon lide. Se pa yon bagay k ap fèt nan yon sèl minit. Se pou w pratike, pratike, pratike. Mande Sentespri a ede ou e fè ou sonje kisa ki vre.

M ap ba ou kèk lide negatif. M vle pou nou di m ki bon lide pozitif nou ka sèvi pou n ranplase move lide yo e chwazi nouvo panse pito.

Li fraz sa yo pou klas la. Kite plis ke yon sèl timoun reponn ak fraz ki pou ranplase yo nan lide yo.

• M p ap janm aprann pale anglè. M twò sòt.

Pa egzanp, yon timoun gendwa ranplase lide negatif sa ak yon fraz tankou, “M fò anpil nan matematik, ebyen m pa ka sòt.”

• Pa gen moun nan lekòl sa ki renmen m. M ap pase tout vi m, p ap gen moun ki renmen m. M kite sa.

• Bondye pa renmen m. Si l te renmen m, li tap geri manman m. M ap tris pou rès lavi m.

• M pa p janm ka vin tounen anyen. Se yon tifi sèlman m ye. Si m te yon ti gason, m tap ka reyisi, men pou kounyeya, m pa anyen.

• M rayi ti gason sa paske li fè kòm si m pa menm la. M sitèlman pa enpòtan, m envizib pou li.

Men kèk lòt fason pou w aji si w gen lide negatif:

Lè ou santi w fache, aprann vit pou w rekonèt ki jan sa manifeste nan ou pou w ka gentan bat pou w kalme ou, pou w pa di anpil bagay ke w ap regrèt. Sonje nou te

Page 267: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

262 KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 3Seksyon 7 Leson 13

pale sou anpil bagay ki rive nan kò ou ki demontre ke ou fache. Epòl ak figi ou vin sere. Men ou klanche, kè w bat fò.

Lè ou pa ka chanje santiman tris oubyen move santiman ke w genyen, bat pou w fè yon aktivite ke w renmen fè. Pale ak zanmi w, menm si ou pa santi ou vle.

Lè ou santi w pè, egzamine panse ke w genyen yo e gade si se yon bagay ki ka rive tout bon. Pa egzanp, si ou pè rete nan fènwa, di tèt pa ou ke pifò nan move lide sa yo pa ka menm rive vre. Bat pou w kalme tèt ou. Si ou pè eseye yon bagay ou pa konn fè deja, tankou bay repons nan klas la, fè fas a krent sa e ankouraje tèt ou.

Si ou santi w pè kèk dezas natirèl ki ka rive, lagè, oubyen vyolans, pale ak yon granmoun. Mande yon moun esplike w kisa ou dwe fè pou w konn sa pou w fè si yon tèl bagay ta rive.

Ou gendwa pa ka toujou fè fas a santiman ou la menm. Ou gendwa bezwen kalme ou avan. Men li enpòtan pou w pa neglije santiman sa yo nèt.

Rann yon moun yon sèvis. Pafwa si nou ede yon lòt moun, sa ka fè nou bliye tèt pa nou e santi w pi byen.

Pale ak pwoblèm sa yo ak yon moun ke w ka konfye.

Felisite tèt pa ou lè ou fè fas a santiman ou nan yon fason pozitif. Ou merite sa!

2. Eksplore Entèlijans EmosyonèlObjektif: Timoun ap soutni yonn lòt e y ap mete “kado ankourajman” nan men yonn lòt.

Pafwa nou chak oblije fè fas a move panse. Bib la di nou ke nou ka ranplase move lide nou ak bon panse ki ankouraje nou olye de dekouraje nou. Panse ak yon fraz ou ka bay yon timoun ki chita bò kote ou. Mete men w ansanm tankou w ap fè yon gode ak men ou. Mete men w anlè men lòt timoun nan epi ouvri men ou, tankou si ou tap lage yon kado nan men li. Di l yon mo de ankourajman. Ou ka panse ak yonn pou tèt pa ou, oubyen ou ka di, “Bondye fè w pou w mete lide ou sou sa ki vre, sa ki bon, sa ki merite lwanj olye de mete lide ou sou sa ki pa bon.” Aprè sa, chanje plas e w ap resevwa yon kado ankourajman nan men lòt timoun nan tou.

3. Mennen Vi w ak Entèlijans EmosyonèlObjektif: Timoun ap ankouraje yonn lòt sèvi ak nouvo fason sa yo aprann pou yo fè fas a emosyon yo.

Mande kèk timoun kisa yo aprann de ki jan yo sipoze fè fas a santiman ki difisil. Ankouraje

Page 268: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

263KONSANTRE SOu RELASYON AK LòT MOuN

ENTELIJANS EMOSYONèL 3 Seksyon 7Leson 13

timoun yo! Yo ka fè fas a emosyon ki difisil nan yon fason ki bon. Konpetans sa yo yo kòmanse aprann se yon bagay yo ka sèvi pou rès lavi yo.

Li Filipyen 4.8 ansanm.

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p’ap fè nou wont.

Filipyen 4.8

Fèmen klas la e mande tout elèv yo kanpe. Endike yonn nan timoun yo epi di, “Ou ka sèvi ak sa ou aprann la pou rès lavi ou.” Epi timoun sa ap endike yon lòt moun, l ap di, “Ou ka sèvi ak sa ou aprann la pou rès lavi ou.”, epi l ap chita. Dezyèm timoun nan endike yon lòt timoun, l ap di, “Ou ka sèvi ak sa ou aprann la pou rès lavi ou.”, epi l chita. Kontinye jouskaske tout timoun yo chita.

Bay tèt nou yon gwo bravo! Kounyeya tout moun ka kòmanse mete lide yo sou sa ki bon olye de sou sa ki pa bon.

Page 269: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

Materyèl sa yo pou fòmasyon timoun te kreye ak kowoperasyon Hands & Feet ak David C Cook. Yo lisansye e nou pèmèt moun sèvi avèk yo a nenpòt legliz ou ministè Kretyen. Tout izaj deyò sa nou mansyone la, ann Ayiti oubyen lòt peyi, sipoze mande David C Cook pèmisyon. Yo mèt email [email protected]. ©2017 David C Cook. Tout dwa mondyal rezève.

Istwa nan Bib la Kalite Karakte Ki pou Devlope

Antann Ou Byen ak Moun

Atik Siplemantè: Ede Timoun Bati Konfyans

nan Tèt Pa Yo

Leson 5Jezi Renmen m Vre!

Atik Siplemantè: Atachman Sekirite: Ki Jan Ou Ka Ede

Timoun Ki Gen Pwoblèm

Leson 1Jezi Renmen Timoun

Atik Siplemantè: Li Enpòtan Pou Timoun Jwe

Leson 9Ijèn: Men

Leson 2Koute Ansèyman Jezi

Leson 6Zanmi ki Renmen Nou

Leson 10Ijèn: Po ou

Leson 3Ki jan Nou Fè Jwenn Bib la

Leson 7Renmen Bondye! Sèvi Yonn Lòt

Leson 11Ijèn: Dan ak Cheve

Leson 4Aprann Plis sou Bib la

Leson 8Renmen Padonnen

Leson 12Ijèn: Anseye Lòt Moun

Leson 13*Viktwa! (Leson Spesyal pou Pak)

Kisa Ou Pral Anseye nan Seksyon Sa

Seksyon 8ESPWA POU AYITI

MISYON HANDS AND FEET PROJECTDezyèm Ka Ane a

Yon pwogram leson en Kreyòl pou timoun a risk

*Itilize leson sa nan sezon aproprye a

Page 270: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

265

Atik Siplemantè

Ede Timoun Bati Konfyans nan Tèt Pa YoCarey Sturgeon

Timoun ki gen konfyans nan tèt pa yo santi yo merite renmen. Yo ka asèpte si yo reyisi oubyen si yo echwe nan lavi. Timoun ki renmen Papa yo nan syèl la konnen ke gen yon moun ki renmen yo san kondisyon. Bondye toujou avèk yo. Bondye ba yo pouvwa pou yo ka akonpli pwojè pa li nan lavi yo. Sa se yon bèl fondasyon pou konfyans!

Karakteristik timoun ki gen konfyans

•Yo asèpte tèt pa yo.

•Yo santi yo merite moun renmen yo.

•Yo kwè ke yo konpetan pou yo asèpte ni siksè ni echèk nan lavi yo.

•Yo aprann e menm ka ri lè yo echwe.

•Yo fè zanmi fasil.

•Yo renmen eseye yon bagay yo pa konn fè deja.

•Yo kontan, yo gen espwa, yo ri fasil.

Men timoun ki grandi san anpil renmen ap manke konfyans.

Karakteristik timoun ki pa gen konfyans

•Yo kritike tèt pa yo, yo kwè manti ke yo konn tande: “M sòt.” “M pa bon.”

•Yo pè fè erè.

•Yo ezite oubyen yo pè eseye yon bagay yo pa konn fè deja.

•Yo mete nan tèt yo ke moun ap rejete yo.

•Lè yo pa reyisi, yo mete nan tèt yo ke se yon echèk pou tout tan.

•Yo kite yon bagay fasil si yo panse yo pa p ka fè l byen.

Ki jan ou ka bati konfyans nan timoun

Konfyans timoun pran fòm selon pawòl ak aksyon granmoun ki nan lavi yo. Di yo souvan ki jan Bondye renmen yo. Priye pou yo pou yo tande, e di Bondye mèsi pou tout potansyèl li mete nan timoun yo.

•Kreye yon anviwònman kote timoun yo ka fè erè san yo pa pè.

Page 271: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

266 ATIK SIPLeMAnTè

eDe TIMOun BATI KOnFYAnS nAn TèT PA YO

•Demontre enterè nan timoun yo. Konnen yo byen ase pou w ka kòmante sou siksè nan lavi yo e ankouraje yo lè yo eseye yon bagay nouvo.

•Rekonèt e asèpte tout emosyon ke timoun yo genyen.

•Selebre fòs, talan ak siksè yo.

•Louwe yo, e fè sèten ke lwanj ou reyèl. Pa egzanp, si yon timoun ba ou yon papye ki pa ekri byen, ki gen anpil erè ladan l, ou pa bezwen di, “O! Ou ekri byen nan fèy sa!” Okontrè, felisite efò ak pèseverans li nan konplete travay la. Ankouraje li refè papye a.

•Si ou tande timoun k ap imilye tèt pa li, fè yo sispann fè sa. Ou gendwa di, “Sa se pa vre. Ou gen anpil valè pou Bondye.”

•Ankouraje timoun yo kwè nan rèv ke yo genyen pou lavi yo.

•Lè timoun bezwen yon moun korije yo, kritike aksyon yo e non pa yo menm. Pa egzanp, si yon timoun fè yon dega, pa di, “Ou dezòd” oubyen, “Ou parese.” Okontrè di timoun nan, “M pa renmen lè ou kite dega pou lòt moun ramase paske sa banm plis travay pou m fè sou travay m gentan genyen pou m fè.”

•Pale ak timoun sou ki jan pou yo reyaji si yon bagay pa tonbe jan yo ta vle.

•Anseye timoun yo ki jan pou yo padonnen tèt pa yo.

•Ankouraje yo eseye bagay yo pa ankò konn fè, chache konnen nan kisa yo fò, e aprann endepandan.

•Fè efò pou toujou yon bon egzanp pou timoun yo. Metrize emosyon ou. Pa kritike tèt pa ou twòp.

Li pa twò ta pou pitit ou devlope plis konfyans.

Page 272: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

267

Jezi Renmen TimounSeksyon 8 • Leson 1Konsantre sou fòmasyon spirityèl

Tèm: Bondye renmen timoun e li gen tan pou yo.

Jodia timoun yo aprann ke Bondye pa janm twò okipe pou yo.

Jodia timoun deside ede yonn lòt sonje ke Jezi gen ni tan ni amou pou yo.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Yon ti wòch ki bon pou w voye bay yonn lòt

Yon lòt opsyon: • Yon ti boul, oubyen yon ti sak plen pwa

Yon nòt pou Ou Menm, Pwofesè:Souvan lè nou panse ak moun ki enpòtan, nou panse ak moun ki twò okipe pou yo asosye ak moun tankou nou. Pa gen anpil nan nou ki ka rele gwo chèf leta ak prezidan pou nou pale avèk yo! elèv ou yo gendwa tande mesaj souvan ke yo pa merite tan moun ki enpòtan anpil yo. Men Bondye pa wè bagay yo konsa.

nan istwa nou jodia, nou pral li ki jan disip Jezi yo te panse li te twò enpòtan e twò okipe pou l pale ak timoun. Paske, timoun pa gen pouvwa pou yo fè anyen. Disip yo te panse li te pi bon pou Jezi pase tan l ap enfliyanse granmoun pito. Disip yo te kouri dèyè paran ki te mennen pitit yo vin kote Jezi. Men, Jezi pa t dakò. Li te ofanse poutèt atitid disip yo kont timoun yo. Istwa sa de Jezi ak timoun yo parèt nan Mak 10.13-16; Matye 19.13-15; ak Lik 18.15-17. Lefèt ke istwa sa parèt 3 fwa nan Bib la montre nou ki jan li enpòtan.

Jezi fè 2 pwen nan istwa sa. An premye, moun pa sipoze anpeche timoun vin kote Jezi. Pèsonn pa janm sipoze anpeche timoun ni swiv ni renmen Jezi. Dezyèm, nou tout vin kote Jezi ouvè e emb tankou yon timoun ki pa gen anyen pou l ofri sof renmen ak devosyon. Li renmen nou e nou ka vin kote li. nou menm ki granmoun, nou dwe sonje menm verite sa ke n ap prezante nan klas la semènn sa.

Page 273: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

268 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

JezI RenMen TIMOunSeksyon 8 Leson 1

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Bondye renmen timoun. Mak 10.13-16

Objektif: Timoun aprann ke Jezi renmen timoun – pou tout tan nèt!

Si posib, fè elèv yo chita atè nan yon wonn pou aktivite sa. Mande timoun yo bay non kèk moun enpòtan ke yo konn tande pale. Aprè sa, mande yo:

• Eske ou panse moun enpòtan sa yo ta renmen pase yon ti tan avèk nou? Poukisa?

San dout, pi fò nan moun sa yo pa ta pran tan yo pou pase avèk nou. Si nou te rele nenpòt nan moun sa yo pou nou mande fè yon ti tan avèk yo, asistan moun sa yo te gendwa di ke yo twò okipe pou yo wè avèk nou. Yo gendwa pa menm pran tan pou yo di nou non!

Nan istwa nou jodia, n ap tande ki jan Jezi diferan de moun ki enpòtan nan lemonn. Men avan istwa a, m ta renmen nou pratike jès sa yo m pral montre nou:

Montre timoun yo jès yo, epi fè yo repete yo aprè ou menm:

Mande (lonje 2 men, pla men anlè)

Refize (2 men, pla men deyò, tankou w ap pouse yon bagay ak 2 men)

Akeyi (fè jès pou endike ke ou vle moun vin kote ou, yon jès akeyan)

Benediksyon (lonje men, pla men anba, yon jès janti)

Pandan m bay istwa a, m ap fè yon jès, epi nou menm, n ap fè l tou.

Yon jou lè Jezi tap anseye e geri moun, gen kèk paran ki te mennen pitit yo vin wè Jezi. Yo te vin kote Jezi ak disip li yo, ki te asistan li, e yo te mande (fè jès) si yo mèt vin mennen pitit yo kote Jezi pou Jezi beni (fè jès) yo.

Disip yo te panse Jezi te twò okipe pou l pèdi tan ak timoun. Yo refize (fè jès), yo di moun yo non. Yo di paran timoun yo ansanm ak timoun yo pou yo pa annwiye Jezi.

Jezi te tande sa disip yo te di e li te di disip yo ke yo gen tò. Jezi akeyi (fè jès) timoun yo. “Kite timoun yo vin kote mwen, piga nou anpeche yo.”

Lèfini, Jezi pran timoun yo nan bra li, li beni (fè jès) yo.

Istwa nou jodia montre nou kisa Jezi panse de pase tan ak timoun. Se Jezi ki moun pi enpòtan nèt. E li vle pase tan avèk nou chak! Yo bay istwa sa a 3 fwa nan Bib la. Mezanmi! Panse ki jan istwa sa a enpòtan. Pifò nan nou tande istwa sa a deja, men

Page 274: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

269KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

JezI RenMen TIMOun Seksyon 8Leson 1

si Bib la rakonte istwa sa 3 fwa, sa vle di nou bezwen tande l plizyè fwa. Petèt fwa sa ke ou tande istwa sa a, Bondye fè w vin konprann yon bagay enpòtan.

Revize istwa a ak timoun yo, sèvi ak jès yo epi poze kesyon sa yo:

• Ki moun ki te vin mande yon bagay?

• Ki moun ki te refize, te di moun yo non?

• Ki moun ki te akeyi?

• Ki moun ki te beni timoun yo?

• Ki moun ki kontinye akeyi timoun?

• Ki moun ki kontinye beni timoun?

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap di ke Jezi gen tan e amou pou yo.

N ap fè yonn lòt sonje ke Jezi vle nou vin kote li.

Pran ti wòch oubyen ti boul la.

Nou ka sèvi ak ti wòch sa pou nou fè yonn lòt sonje ke Jezi gen tan e amou pou nou. M ap montre nou kisa nou pral fè.

Chwazi yon timoun epi di li, “Jezi gen tan e amou pou (non timoun nan).” Aprè sa m ap voye wòch la bay (non menm timoun nan), epi l ap atrap li. Voye l bay timoun nan.

Lè yo voye wòch la ba ou, w ap chwazi yon lòt timoun, w ap di l, “Jezi gen tan e amou pou (non timoun nan),” epi voye wòch la ba li tou. Sonje ke lè se ou ki pou voye wòch la, chwazi yon timoun ki poko janm jwenn wòch la deja. Fè sèten ke tout timoun yo jwenn chans pou yo atrap e voye wòch la.

Konsèy pou Pwofesè: nan anpil peyi, moun pa konsidere timoun enpòtan ase pou yo pase tan avèk yo, e sa gendwa yon nouvo ide pou timoun yo. Men Jezi te pran tan pou timoun. Li ba yo anpil valè e li renmen yo chak. Pandan w ap pase tan ak timoun yo, kominike avèk yo ki jan Jezi renmen yo chak.Aprè aktivite a, fè timoun yo chita epi rakonte yon istwa ti gason 4 an sa ki pa t gen ni manman ni papa.

Lè Danyèl te gen 4 an, tou 2 paran li te mouri nan yon aksidan machin, e yo te voye l ale abite nan yon ofelina. Danyèl te fache ak tout moun. Si yon granmoun nan ofelina te anbrase li, Danyèl tap ba l kou nan do. Li pa t vle patisipe nan anyen. Epi yon jou, yonn nan pwofesè yo te bay menm istwa ke m te ba ou jodia.

Page 275: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

270 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

JezI RenMen TIMOunSeksyon 8 Leson 1

Avan klas la, pwofesè a te mete yon foto Jezi sou bò yon miwa. Yo te pase miwa a bay chak timoun, epi yo chak gade nan miwa a, epi yo gade foto Jezi a nan miwa a. Lè miwa a te rive sou Danyèl, li vire je li epi li tonbe ap kriye. Li pa t vle remèt pwofesè a ti miwa a. Li kouri ale, ak tout miwa a nan men li. Jou sa a, li te vin konprann ke Jezi te gen tan pou li. Ke Jezi te renmen li.

Kè Danyèl pa t geri tout yon sèl kou, men chak jou, li te vin kòmanse chanje tou piti. Pwofesè a te kite Danyèl pran ti miwa a ak tout foto Jezi a ladan l. Danyèl te dòmi ak ti miwa sa a. Aprè yon ane, Danyèl te pote miwa a bay pwofesè a, li remèt li miwa a, epi li di l konsa: “Jezi vle pou yon lòt moun sèvi ak miwa sa kounyeya pou yo ka geri tou.”

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap bay yonn lòt yon vèsè nan Bib la pou yo ka toujou sonje ke Jezi renmen yo anpil.

Sa se yon bèl vèsè nan Bib la. Se Jezi k ap pale la. M ap li vèsè sa 3 fwa. Le ou panse ou konnen vèsè a, di l ansanm avè m.

Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini. Mak 10.14

Fè chak timoun pran yon lòt timoun nan klas la. Yo sipoze bat men pou yo fè yon ti bit pou vèsè jodia. Aprè kèk minit, fè chak pè timoun repete vèsè ak ti bit bat-men yo a pou klas la.

Fèmen klas la epi priye yon bagay tankou: “Senyè Jezi, nou di w mèsi ke ou toujou envite ni timoun, ni granmoun, vin kote ou. Ala gran ou gran!”

Page 276: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

271

Koute Ansèyman JeziSeksyon 8 • Leson 2Konsantre sou fòmasyon spirityèl

Tèm: Jezi souvan pale avèk nou jodia pandan n ap li Bib la.

Jodia timoun yo aprann ke chwa Mari pou l koute Jezi te pi enpòtan ke chwa Mat pou l rann Jezi yon sèvis.

Jodia timoun deside koute Jezi nan li Bib yo semènn sa.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Tablo oubyen yon gwo fèy papye ak Lik 11.28 ekri sou li • Kreyon • Papye

Konsèy pou Pwofesè: Pare leson lòt semènn nan. Leson Bib ki pou lòt semènn ap bezwen yon istoryen li 3 paragraf. Koupe nan leson swivant lan epi ba yonn nan elèv ki li byen paragraf yo jodia. Di l pou li li yo avan klas lòt semènn.

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Mari chwazi koute nan pye Jezi. Lik 10.38-42

Objektif: Timoun wè ke chwa Mari pou l koute Jezi te pi bon.

Fè elèv yo chita nan yon wonn.

Jezi te vin tounen yon moun e te viv pami moun pou anpil rezon. Yonn nan rezon yo se te pou l te ka anseye e preche moun yo. E a travè Bib la, li vle anseye nou jodia tou.

• Di kèk bagay ke Bib la anseye.

• Eske gen moun nan lemonn ki twò entèlijan oubyen twò enpòtan pou yo aprann nan men Jezi?

• Eske gen moun ki pa enpòtan ase pou yo pran ansèyman nan men Jezi?

Nan istwa nou jodia, Jezi fè nou konnen ki jan aprann nan men li enpòtan vre. Li vle pou tout moun, fanm, nonm, ti gason, ak tifi aprann nan men li.

Page 277: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

272 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

KOuTe AnSèYMAn JezISeksyon 8 Leson 2

Mari ak Mat se te 2 sè ki te abite yon vil ki rele Betani, yon vil toupre Jerizalèm. Yon jou, Jezi ak disip li yo te vin Betani. Mat te envite Jezi ak disip li yo vin manje lakay li. Mat tap fè anpil travay nan kwizin nan pou l pare manje pou yo.

• Bib la pa di nou ki manje Mat tap pare pou Jezi. Men, ann fè yon ti pale, si Jezi tap vin manje lakay ou, ki manje ou tap vle sèvi li? Ki manje ou pi renmen manje?

Lè Jezi te kòmanse anseye, Mari menm te chita, li tap koute sa Jezi te gen pou l di a. Kote yo te abite a, sa te yon bagay etranj pou yon fanm fè. Moun yo tap atann ke Mari tap pral ede Mat pare manje a. Mat menm te vin fache paske li tap tann Mari vin ede li fè manje a. Pare manje pou anpil moun se yon gwo travay. E Mat menm te oblije fè travay yo pou kont li.

• Ki jan ou panse Mat te santi l ap fè tout travay yo nan kwizin nan si l pa gen Mari pou ede li?

Anfen Mat t ale kote Jezi, li di l konsa, “Sa pa di w anyen si Mari kite tout travay fè manje a pou mwen? Di l vin ede m non!”

• Ki jan ou panse Mari te santi l lè li tande sa Mat te di Jezi?

Bib la di nou kisa Jezi te di Mat.

Jezi reponn li:—Mat, Mat. W’ap trakase tèt ou, w’ap bat ko ou pou yon bann bagay. Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se li Mari chwazi,

yo p’ap janm wete l nan men li. Lik 10.41-42

Se la istwa a fini nan Bib la. Nou pa konnen kisa ki te pase aprè. Petèt se Mat ki te vin pare manje a. Petèt pita, Mat tou te chita pou l tande ansèyman Jezi. Sa ki enpòtan pou nou sonje se ke pandan Mat tap sèvi Jezi, Mari menm tap koute ansèyman li. Jezi di ke koute li pi enpòtan pase fe yon bagay pou li. Jezi te kontan ke Mari tap koute ansèyman li. Mari tap fè sa ki te pi bon an.

Li bon pou nou fè bon bagay pou Bondye, men li pi enpòtan pou nou koute ansèyman li. Aprann Pawòl li ban nou sajès ke moun pa ka pran nan men nou.

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap konprann kisa Bondye aprann nan pawòl li.

Chwazi kèk istwa nan Bib la ke timoun yo gentan konnen. Lè ou di yo istwa a, timoun ki konnen istwa a sipoze leve byen vit. Chwazi yon timoun pou ( 1) rakonte istwa a nan 2 fraz

Page 278: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

273KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

KOuTe AnSèYMAn JezI Seksyon 8Leson 2

sèlman epi (2) bay yon rezon ke istwa sa enpòtan pou timoun laj yo a konnen li. Sèvi ak lis istwa sa yo epi ajoute lòt istwa ke ou panse timoun yo konnen tou.

Jezi Beni Timoun yo Jezi Kalme Lanmè

nesans Jezi Jezi Geri Yon nonm Avèg

Lanmò Jezi Rezireksyon Jezi

Fè sèten ke timoun yo konprann ke konnen istwa yo sèlman pa sifi. Yo bezwen konnen kisa Bondye vle yo aprann nan istwa yo. Pafwa Bondye sèvi ak yon sèl istwa pou l montre nou plizyè leson de li menm. Se sa k fè li enpòtan pou nou tande istwa sa yo anpil anpil fwa e toujou koute sa Bondye vle nou aprann fwa sa.

Ankouraje yon elèv di yon bagay ke li panse Bondye vle timoun yo aprann nan chak istwa. Si sa difisil pou timoun yo fè, mande timoun nan poukisa li panse Bondye vle timoun aprann istwa sa yo.

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap aprann Lik 1.28 pa kè pou yo ka sonje ke yo bezwen tande pawòl Bondye e obeyi li.

Si posib, ekri Lik 11.28 sou tablo a oubyen sou yon gwo fèy papye.

Nou gen yon bèl vèsè pou nou aprann jodia. Li kout, men li enpòtan anpil pou nou aprann.

Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l an pratik, se yo menm Bondye beni.

Lik 11.28

Ankouraje timoun yo pou yo aprann vèsè sa semènn sa.

Yon lòt opsyon:

Bay chak timoun yon kreyon ak yon fèy papye pou yo ekri vèsè a. Ankouraje yo mete l yon kote ke y ap wè li souvan chak jou. Sa ap fè l pi fasil pou yo aprann vèsè a pi byen.

Fen opsyon

Bay timoun yo ti istwa kout sa yo. Lèfini, aprè chak, chwazi yonn nan timoun yo epi fè l repete vèsè a: Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l an pratik, se yo menm Bondye beni.

Page 279: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

274 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

KOuTe AnSèYMAn JezISeksyon 8 Leson 2

Ti Istwa 1 Rikado di, “M pa renmen li Bib la. Li twò difisil, m pa konprann anyen ladan l. Epitou, m pa kwè li gen anyen pou l di m. Li annwiye m.”

Chwazi yon timoun pou repete vèsè a. Fè sa aprè chak istwa.

Ti Istwa 2 Sara fò anpil nan aprann bagay pa kè. Li menm te jwenn yon kado yon lè paske se li menm ki te aprann plis vèsè pase tout moun. Men tout moun konnen ke li fè manti anpil. Se vre, pèsonn pa janm panse ke l ap bay verite.

Ti Istwa 3 Salomon renmen li liv anpil. Li prèske toujou gen yon liv nan men li. Li anvi li Bib li anvan l dòmi chak swa, men li toujou twò pèdi nan lòt liv l ap li yo ke lè dòmi a rive avan li gentan li Bib li.

Ti Istwa 4 Toma li Bib li prèske chak jou. Li renmen istwa yo anpil. Li di zanmi l konsa, “M li yon istwa epi m mande Jezi kisa li vle m aprann nan istwa sa a. Pafwa m vin konnen kisa li vle m fè, e m renmen sa anpil!”

Yon opsyon, si elèv ou yo gen Bib:

Ankouraje timoun yo li Bib yo semènn sa. Gen nan timoun yo ki gendwa pa gen Bib pa yo. Si legliz la gen Bib li ka prete yo, mande si ou ka bay timoun yo nan yo. Ou sipoze ekri non chak timoun ki prete yonn nan Bib yo pou w ka sonje fè yo retounen avèk yo.

Chak timoun ki gen yon Bib sipoze di konbyen minit li vle li Bib chak jou. ekri minit yo sou tablo a oubyen sou yon gwo fèy papye. Lè chak timoun fin di konbyen minit l ap li chak jou, mete tout ansanm pou w wè total minit lan.

Gade sa! Si nou tout li Bib nou pou kantite minit nou te di, n ap li _________ minit! Ann bat bravo e selebre tout sa nou pral aprann nan pawòl Bondye a semènn sa.

Fen opsyon

Mande yonn nan timoun yo priye e di Bondye mèsi pou bèl kado li ban nou an, Bib la.

Li posib ke ou ka gen yon ti tan an plis aprè leson an fini jodia. Si gen tan, mande timoun yo ki jwèt yo ta renmen jwe, epi jwe l avèk yo.

Konsèy pou Pwofesè: Jwe yon jwèt kote ou ka fè yo resite vèsè a, oubyen yo jwèt kote timoun yo sipoze koute epi obeyi yon kòmann. Timoun aprann byen nan jwe!

Page 280: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

275

Ki Jan Nou Fè Jwenn Bib LaSeksyon 8 • Leson 3Konsantre sou fòmasyon spirityèl

Tèm: Bib la gen anpil bèl istwa, e anpil kalite istwa tou.

Jodia timoun yo aprann ki jan liv nan Bib la yo te ekri.

Jodia timoun deside konprann Bib la pi byen lè yo aprann plizyè fòm moun ekri.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • 3 kat istoryen yo ki nan fen leson an • Yon Bib • Si w vle: Kèk fèy papye blan • Si w vle: Sizo

Chwazi yon timoun ki pou jwe wòl yon istoryen pou 2 semènn k ap vini yo. esplike ke yon istoryen se yon moun ki etidye istwa. Ou pral bay istoryen ou an enfòmasyon avan klas la, epi l ap li enfòmasyon ou ba li a pou rès klas la. Koupe kat sa yo epi chwazi yon timoun ki li byen, ki li klè, kòm istoryen klas la.

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------Kat 1 Bonjou! Mwen rele Dr. Konnen-Bib-La. M se yon istoryen ki etidye ki jan nou fè jwenn Bib la. Jodia, m pral pale avèk ou sou Bib la, se sijè sa m pi renmen pale. eske w te konnen ke avan pi fò moun te konn li oubyen avan yo te gen kopi Bib la, se tande yo tande istwa yo sèlman? Se konsa yo te aprann yo. Moun ki te ekri yo te konn sèvi ak ti fraz pou ede moun k ap koute yo sonje, jan moun konn ekri powèm. Pafwa moun ki tap ekri liv Bib la te konn repete yon fraz plizyè fwa pou fè moun sonje li. Ann eseye sa kounyeya. Fè kòm si ou pa konn li. Kounyeya, pwofesè nou ap mountre nou ki jan premye Izrayèlit yo te aprann sa Bondye te vle yo konnen nan Bib la.

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------Kat 2 Bib la gen 66 liv ladan l. Se 40 diferan moun ki te ekri liv sa yo nan yon peryòd de 1.600 ane. Moun ki te ekri l yo se te wa, pwofèt, prèt, ak premye moun ki te swiv Jezi yo. Liv Anseyen Testaman an te ekri sou ajil, kwir, oubyen yon bagay ki rele papiris. Liv nouvo

Page 281: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

276 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

KI JAn nOu Fè Jwenn BIB LASeksyon 8 Leson 3

Testaman an te ekri sou papiris. Papiris se yon plant. Moun te konn pran l, koupe l nan bann, epi peze bann yo pou yo plat, lèfini yo ekri sou li. Li te sanble ak papye anpil. Pifò Anseyen Testaman an te ekri nan lang ebre a. nouvo Testaman an te ekri nan lang grèk.

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------Kat 3 Li Bib la pa tankou okenn powèm ni istwa ke nou konn li. Bib la gen tout kalite ekriti ladan l. Gen istwa tankou istwa Jozèf la. Gen kòmandman ak lwa tankou nan liv Detewonòm. Gen powèm tankou sa nou jwenn nan liv Som. Gen rapò istorik, priyè, e menm lèt ke yon moun te ekri pou yon lòt moun oubyen pou tout yon legliz. Li enpòtan pou w konnen fòm literati ke w ap li pou w ka konprann sa Bondye ap di. Jodia nou pral gade yon bèl fòm ke Jezi te sèvi anpil. Sa rele yon parabòl. Yon parabòl se yon istwa, men li plis ke yon istwa. Li sinifi yon bagay pwofon ki pale nou de Bondye. Si nou li parabòl tankou si se tout lòt istwa, n ap pèdi mesaj enpòtan ke li pote pou nou.

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Aprann ki jan nou jwenn Bib la.

1 Wa 19.11-13; Lik 10.33-37Objektif: Timoun aprann sou istwa oral e ap pratike jan pou yo bay istwa ak yon kadans.

Rele istoryen ou devan pou l li Kat 1. Ou te sipoze chwazi yon elèv semènn pase pou w ba li kat yo pou l repete yo. Si ou pa t gentan chwazi yon moun, chwazi yon elèv ki li byen kounyeya.

Konsèy pou Pwofesè: Si pa gen elèv nan klas la ki li byen, ou mèt jwe wòl istoryen an.nou mete enfòmasyon ke istoryen an pral li a la pou ou.

Kat 1 Bonjou! Mwen rele Dr. Konnen-Bib-La. M se yon istoryen ki etidye ki jan nou fè jwenn Bib la. Jodia, m pral pale avèk ou sou Bib la, se sijè sa m pi renmen pale. eske w te konnen ke avan pi fò moun te konn li oubyen avan yo te gen kopi Bib la, se tande yo tande istwa yo sèlman? Se konsa yo te aprann yo. Moun ki te ekri yo te konn sèvi ak ti fraz pou ede moun k ap koute yo sonje, jan moun konn ekri powèm. Pafwa moun ki tap ekri liv Bib la te konn repete yon fraz plizyè fwa pou fè moun sonje li. Ann eseye sa kounyeya. Fè kòm si ou pa konn li. Kounyeya, pwofesè nou ap mountre nou ki jan premye Izrayèlit yo te aprann sa Bondye te vle yo konnen nan Bib la.

Page 282: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

277KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

KI JAn nOu Fè Jwenn BIB LA Seksyon 8Leson 3

Lè istoryen an fin li, di konsa:

Ann fè kòm si nou se Izrayèlit ki te li anpil anpil ane pase. Pa t gen anpil Izrayèlit ki te gen liv. Se pa tout moun ki te ka li. Kòman yo te sipoze fè sonje istwa Bib la yo? Pafwa moun ki tap ekri a te sèvi ak yon kadans tankou nan yon powèm pou l ede yo sonje. Pafwa li gendwa fè yo repete yon bagay plizyè fwa. Kèk fraz spesyal te repete plizyè fwa pou ede Izrayèlit yo sonje. M ap li yon pasaj nan 1 Wa 19.11-13. Premye fwa m li pasaj la, koute sèlman. Koute pou w wè si w ka tande kadans lan ak sa ki repete ladan l.

Li istwa ki swiv la. esplike ke eli te di Bondye ke li pa t vle yon pwofèt ankò. Pou Bondye te ka ba li fòs pou l kontinye sèvi Bondye kòm pwofèt, Bondye vizite li, men Bondye pa t vini nan jan ke eli te atann:

Senyè a di li:—Soti, vin kanpe devan Senyè a sou tèt mòn lan. M pral pase! Senyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve,

li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Senyè a. Men Senyè a pat nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble,

men Senyè a pat nan tranblemann tè a. Lè tè a sispann tranble, te gen yon dife, men Senyè a pat nan dife a.

Aprè dife a, yon ti bri tou pitit fèt, yon ti briz tou fèb vin ap soufle. Lè Eli tande l, li kouvri tèt li ak gwo rad li, li soti, li kanpe devan gwòt la.

Li tande yon vwa ki di l: - Eli, sa w’ap fè isit la? 1 Wa 19.11-13

Kounyeya m pral li pasaj la ankò. Kounyeya, nou tout ap di ansanm fraz ki kòmanse “Men Senyè a pat nan…”. Eske ou tande jan li tankou yon powèm? Eske ou ka sonje l pi byen si gen yon pati ladan l ki repete?

Si w bay yon istwa ki repete menm bagay la plizyè fwa, si gen yon kadans, sa ka ede moun aprann enfòmasyon an e sonje istwa a pi byen. Sa se yon fason ke Bondye te anpeche moun chanje pawòl li.

M vle fè w konnen jan li fasil pou yon mesaj chanje oubyen pou yon mesaj mal-pase. Tout moun vin kanpe nan yon gwo wonn. M ap di yon bagay byen ba nan zòrèy yonn nan nou. Moun sa menm ap vire di menm koze a nan zòrèy timoun ki kanpe bò kote li a. Moun sa menm ap kontinye jouskaske istwa a fin pase nan tout wonn nan.

Di ti istwa sa a nan zòrèy timoun ki kanpe sou bò goch ou:

Page 283: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

278 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

KI JAn nOu Fè Jwenn BIB LASeksyon 8 Leson 3

Te gen yon ti zwazo. Li tap prale kay yon moun ki rele Lalo. Lalo renmen manje timoun. Pa ale, pou l pa manje ou menm tou.

Lè dènye timoun nan fin tande mesaj la, fè l di l byen fò pou tout moun tande. w ap wè ke mesaj la gendwa chanje anpil. Kounyeya di tout moun ki mesaj ou te bay premye timoun nan.

Kounyeya nou pral fè menm ti aktivite a, men fwa sa, m pral ban nou li ak yon kadans, tankou yon rim.

Di ti istwa sa a nan zòrèy timoun ki kanpe sou bò goch ou:

Ti Zwazo, kote w ap prale? M ap prale kay fiyèt Lalo. Fiyèt Lalo konn manje timoun. Si w ale, l ap manje ou tou.

Lè mesaj la retounen sou ou ankò, di l fò pou tout klas la tande. epi ti klas la ki mesaj ou te bay la. Lèfini, poze kesyon sa yo:

• Ki jan 2 mesaj yo te sanble? Ki jan yo te diferan?

• Poukisa li te pi fasil pou w pase premye mesaj la?

• Ki jan kadans, ak rim nan te fè l pi fasil pou nou asire ke pawòl Bondye a pa t chanje?

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun aprann plis bagay mèvèye sou Bib la.

Fè elèv k ap jwe wòl istoryen an li dezyèm kat la:

Bib la gen 66 liv ladan l. Se 40 diferan moun ki te ekri liv sa yo nan yon peryòd de 1.600 ane. Moun ki te ekri l yo se te wa, pwofèt, prèt, ak premye moun ki te swiv Jezi yo. Liv Anseyen Testaman an te ekri sou ajil, kwir, oubyen yon bagay ki rele papiris. Liv nouvo Testaman an te ekri sou papiris. Papiris se yon plant. Moun te konn pran l, koupe l nan bann, epi peze bann yo pou yo plat, lèfini yo ekri sou li. Li te sanble ak papye anpil. Pifò Anseyen Testaman an te ekri nan lang ebre a. nouvo Testaman an te ekri nan lang grèk.

Yon lòt opsyon, si w gen tan ak papye ki nesesè:

Bay chak elèv 2 fèy papye. Timoun yo sipoze koupe yonn nan fèy yo nan bann long. Fè timoun yo pliye dezyèm fèy papye a an 2. Fè yo kòmanse nan pli a, epi koupe ti fant nan papye a. Fè yo sispann koupe apepre 3 santimèt avan pwent papye a. Lè yo fini, fè timoun yo

Page 284: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

279KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

KI JAn nOu Fè Jwenn BIB LA Seksyon 8Leson 3

tise bann yo nan fant papye a. Ou ka montre yo ak papye ou menm. (Si w pa gen ase sizo, timoun yo ka chire papye yo. Aktivite a ap toujou mache.) Pandan w ap montre timoun yo ki jan pou yo koupe papye a e tise bann yo, di yo konsa:

Papiris se te yon plant ke moun te konn koupe nan bann konsa. Yo peze bann yo pou fè yo plat, yo tranpe yo nan dlo, epi lèfini, yo peze plizyè nan yo ansanm. Tankou papye n ap tise a, papye papiris te gen plizyè bann papye ladan l.

Lè timoun yo fini, montre yo lèt lang ebre a ki ekri nan paj swivant lan.

Ankouraje timoun yo ekri kèk nan lèt ebre sa yo nan papye ‘papiris’ yo a.

Fen opsyon

• Eske ou konnen okenn nan liv Bib la yo? Ki liv yo te ekri?

Di timoun yo kèk nan moun Bib la ke yo gendwa konnen ki te ekri liv nan Bib la. Moyiz (Jenèz, egzòd, Levitik, nonm, Detewononm); esdras (petèt 1 ak 2 Kwonik, esdras, neyemi); David (kèk nan som yo); Salomon (petèt Pwovèb; petèt eklezyas ak Kantik); ezayi (liv ezayi a); Jeremi (liv Jeremi, petèt Lamantasyon); ezekyèl (liv ezekyèl); Danyèl (liv Danyèl); Oze (liv Oze); Jowèl (liv Jowèl); Amòs (liv Amòs); Abdyas (liv Abdyas); Jonas (liv Jonas); Miche (liv Miche); nawoum (liv nawoum); Abakik (liv Abakik); Sofoni (liv Sofoni); Aje (liv Aje); zakari (liv zakari); Malachi (liv Malachi); Matye (liv Matye), Jan Mak (liv Mak); Lik (liv Lik ak Travay); Jan (liv Jan, ak 1, 2, ak 3 Jan, ansanm ak Revelasyon); Pòl (women, 1 ak 2 Korentyen, Galat, efezyen, Filipyen, Kolosyen, 1 ak 2 Tesalonisyen, 1 ak 2 Timote, Tit, Filemon); Jak (liv Jak), Pyè (1 ak 2 Pyè), Jid (liv Jid).

Papyrus was a plant that was sliced into small strips. Those strips were pounded flat,

soaked in water, and then pressed together. Similar to the paper we’re weaving, papyrus

paper was composed of several strips of paper.

When children have finished, show them this block of Hebrew letters.

Scott, could you make this about a half page, big enough so the leader can cut it out and show it

to a room of about 25 kids.

א ב ד ה מ ש צ קEncourage them to write some of the letters on their “papyrus.”

Play today’s song, “Come On and Celebrate” in the background while the children work on their

paper.

Do you know the authors of any of the books of the Bible? What books did they

write?

Pick out the names of the authors children might know and share them with the

children. Moses (Genesis, Exodus, Leviticus, Numbers, Deuteronomy); Ezra (1

and 2 Chronicles, Ezra); Nehemiah (Nehemiah); David (Psalms); Solomon

(Proverbs, Ecclesiastes, Song of Solomon); Isaiah (Isaiah); Jeremiah (Jeremiah,

Lamentations); Ezekiel (Ezekiel); Daniel (Daniel); Hosea (Hosea); Joel (Joel);

Amos (Amos); Obadiah (Obadiah); Jonah (Jonah); Micah (Micah); Nahum

(Nahum); Habakkuk (Habakkuk); Zephaniah (Zephaniah); Haggai (Haggai);

Zechariah (Zechariah); Malachi (Malachi); Matthew (Matthew); John Mark

(Mark); Luke (Luke, Acts); John (John, 1, 2, and 3 John, Revelation); Paul

(Romans, 1 and 2 Corinthians, Galatians, Ephesians, Philippians, Colossians, 1

and 2 Thessalonians, 1 and 2 Timothy, Titus, Philemon), James (James), Peter (1

and 2 Peter).

End of Option

3. What God Wants Me to Do

Objective: Learning the different types of writing found in the Bible can help

children better understand God’s Word.

Have your expert historian read the third paragraph:

India Orphan Curriculum July 2011/Unit 8 Page 40

Page 285: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

280 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

KI JAn nOu Fè Jwenn BIB LASeksyon 8 Leson 3

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun aprann ke Bib la te gen plizyè kalite ekriti e yo tande yon parabòl.

Fè timoun k ap jwe wòl istoryen an li twazyèm kat la.

Li Bib la pa tankou okenn powèm ni istwa ke nou konn li. Bib la gen tout kalite ekriti ladan l. Gen istwa tankou istwa Jozèf la. Gen kòmandman ak lwa tankou nan liv Detewonòm. Gen powèm tankou sa nou jwenn nan liv Som. Gen rapò istorik, priyè, e menm lèt ke yon moun te ekri pou yon lòt moun oubyen pou tout yon legliz. Li enpòtan pou w konnen fòm literati ke w ap li pou w ka konprann sa Bondye ap di. Jodia nou pral gade yon bèl fòm ke Jezi te sèvi anpil. Sa rele yon parabòl. Yon parabòl se yon istwa, men li plis ke yon istwa. Li sinifi yon bagay pwofon ki pale nou de Bondye. Si nou li parabòl tankou si se tout lòt istwa, n ap pèdi mesaj enpòtan ke li pote pou nou.

Rakonte elèv yo istwa sa:

Yon direktè lalwa te mande Jezi, “Kisa pou m fè pou m ka gen lavi etènèl?”

Jezi reponn mesye a ak yon kesyon tou, li mande l, “Ou se yon moun ki konnen pawòl Bondye byen. Kisa li di?”

Direktè lalwa a te konnen repons lan: “Renmen Bondye ak tout kè w, e renmen vwazen ou menm jan ou renmen tèt pa ou.” Epi nonm nan poze yon dezyèm kesyon, “Men ki moun ki vwazen m?”

La, Jezi rakonte yon istwa. “Te gen yon nonm ki tap vwayaje soti Jerizalèm monte Jeriko. Nan wout la, yon bann vòlè atake li, yo bat li, yo kite l sou bò wout la pou l mouri. Yon prèt te vin desann wout la, li wè nonm nan yo te bat la. Men li kontinye fè wout li san l pa ede mesye a.

Aprè yon ti tan ankò, yon moun Levi, yon asistan pou prèt la, te desann menm wout la, men li menm tou, li kontinye san l pa ede sa yo te bat la.

Aprè sa, te vin gen yon moun Samari ki te wè nonm yo te bat la. Li kanpe. Menm lè Samariten an ak jwif la te lèdmi, li te pran swen nonm te yo bat la. Li mennen l nan yon otèl, e li te peye mèt otèl la pou l pran swen nonm nan tout tan li tap geri a.”

Lèfini, Jezi mande direktè lalwa a, “Kilès nan moun sa yo ti tap vwayaje a te yon vwazen pou moun vòlè yo te bat la?”

“Sa ki te ede l la.” yo reponn li.

Jezi reponn, “Ebyen, ale fè menm jan.”

Page 286: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

281KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

KI JAn nOu Fè Jwenn BIB LA Seksyon 8Leson 3

Menm jan istoryen nou an te di talè a, li enpòtan pou nou konnen diferan kalite literati ki genyen nan Bib la. Si nou konnen diferan fòm yo, nou ka konprann pi byen kisa Bondye ap di nou nan Bib la.

Lè Jezi te rakonte parabòl sa yo, li te sèvi ak yon ti istwa pou l bay yon leson enpòtan. Nan parabòl ou sot tande a, Jezi montre nou ki jan nou sipoze aji ak vwazen nou. Moun jwif yo pat renmen Samariten yo, epi Samariten yo pat renmen jwif yo. Nan parabòl sa, jwif yo pase kite frè yo, yon jwif tankou yo. Men se Samariten an ki te ede li.

Jezi tap di ke moun ki nan wayòm Bondye sipoze ede lòt moun e renmen lòt moun , menm si yo diferan anpil de yo menm – menm si se lèdmi yo. Si ou pa t konnen ke sa se yon parabòl, ou te gendwa panse ke se te yon istwa sèlman de yon nonm ki vòlè bat. Ou gendwa rate verite Jezi vle montre nou a.

N ap fèmen ak yon ti priyè pòpkònn. Lè ou vle priye, kanpe epi di yon sèl fraz. Annou di Bondye mèsi pou Bib la an premye. Aprè sa, ou ka di Bondye mèsi pou nenpòt bagay ou vle. Ou pa oblije priye, si w pa vle. M ap kòmanse e m ap fèmen!

Fè sèten ke tout moun konprann kisa nou pral fè a, epi priye konsa:

Bondye, nou di w mèsi ke nou ka konprann Bib la.

Pran yon ti poz pou lòt moun ka priye. epi lè yo fini, fèmen konsa:

Nou renmen ou, Bondye. Ede nou konprann pawòl ou e sèvi avèk li chak jou nan lavi nou. Nou vle li pawòl ou chak jou. Nou priye w konsa nan non Jezi, amèn.

Konsèy pou Pwofesè: Prepare pou lòt semènn depi kounyeya. Leson pou semènn k ap vini an pral bezwen yon timoun jwe wòl istoryen ankò. Koupe 3 paragraf sa yo nan leson swivant lan epi bay yonn nan timoun yo ki li byen paragraf yo pou l ka repete yo avan lòt semènn.

Page 287: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 288: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

283KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

Seksyon 8 KI JAn nOu Fè Jwenn BIB LA Leson 3

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

Kat 1 Bonjou! Mwen rele Dr. Konnen-Bib-La. M se yon istoryen ki etidye ki jan nou fè jwenn Bib la. Jodia, m pral pale avèk ou sou Bib la, se sijè sa m pi renmen pale. eske w te konnen ke avan pi fò moun te konn li oubyen avan yo te gen kopi Bib la, se tande yo tande istwa yo sèlman? Se konsa yo te aprann yo. Moun ki te ekri yo te konn sèvi ak ti fraz pou ede moun k ap koute yo sonje, jan moun konn ekri powèm. Pafwa moun ki tap ekri liv Bib la te konn repete yon fraz plizyè fwa pou fè moun sonje li. Ann eseye sa kounyeya. Fè kòm si ou pa konn li. Kounyeya, pwofesè nou ap mountre nou ki jan premye Izrayèlit yo te aprann sa Bondye te vle yo konnen nan Bib la.

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

Kat 2 Bib la gen 66 liv ladan l. Se 40 diferan moun ki te ekri liv sa yo nan yon peryòd de 1.600 ane. Moun ki te ekri l yo se te wa, pwofèt, prèt, ak premye moun ki te swiv Jezi yo. Liv Anseyen Testaman an te ekri sou ajil, kwir, oubyen yon bagay ki rele papiris. Liv nouvo Testaman an te ekri sou papiris. Papiris se yon plant. Moun te konn pran l, koupe l nan bann, epi peze bann yo pou yo plat, lèfini yo ekri sou li. Li te sanble ak papye anpil. Pifò Anseyen Testaman an te ekri nan lang ebre a. nouvo Testaman an te ekri nan lang grèk.

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

Kat 3 Li Bib la pa tankou okenn powèm ni istwa ke nou konn li. Bib la gen tout kalite ekriti ladan l. Gen istwa tankou istwa Jozèf la. Gen kòmandman ak lwa tankou nan liv Detewonòm. Gen powèm tankou sa nou jwenn nan liv Som. Gen rapò istorik, priyè, e menm lèt ke yon moun te ekri pou yon lòt moun oubyen pou tout yon legliz. Li enpòtan pou w konnen fòm literati ke w ap li pou w ka konprann sa Bondye ap di. Jodia nou pral gade yon bèl fòm ke Jezi te sèvi anpil. Sa rele yon parabòl. Yon parabòl se yon istwa, men li plis ke yon istwa. Li sinifi yon bagay pwofon ki pale nou de Bondye. Si nou li parabòl tankou si se tout lòt istwa, n ap pèdi mesaj enpòtan ke li pote pou nou.

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

Page 289: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 290: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

285

Aprann Plis sou Bib laSeksyon 8 • Leson 4Konsantre sou fòmasyon spirityèl

Tèm: nou ka fè Bib la konfyans.

Jodia timoun yo aprann ki jan Bib la òganize.

Jodia timoun yo ankouraje pou yo aprann liv Bib la yo pou yo ka pare pou yo sèvi avèk li.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • 3 kat istoryen ki nan fen leson an • Bib, si ou ka jwenn yonn.

Yon lòt opsyon: • Papye blan • Kreyon • ekri “3 egzamen” sou tablo a oubyen sou yon gwo fèy papye • Plizyè Bib

Konsèy pou Pwofesè: nou espere ke ou te chwazi yon elèv semènn pase pou w ba li kat yo pou l repete yo. Si ou pa t gentan chwazi yon moun, chwazi yon elèv ki li byen kounyeya.------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------Kat 1

Bonjou! Si w te bliye, mwen rele Dr. Konnen-Bib-La. M se yon istoryen nan istwa Bib la. Jodia, nou gen 66 liv nan Bib la. Poukisa pa gen 67 oubyen 76? Kretyen te oblije deside ki liv pou yo mete, e ki liv yo pa dwe mete. Pwosè yo te itilize pou yo deside ki liv pou yo mete nan Bib la rele kanonizasyon. Pou Ansyen Testaman an, Kretyen deside asèpte menm 39 liv ke pèp jwif la te asèpte a. Men yo te chwazi 27 liv nouvo Testaman an yo paske yo te pase 3 eprèv:

eprèv 1: Liv la te sipoze gen koneksyon a yon moun ki te temwen Kris resisite a – yon moun ki te wè Jezi pandan l te isi sou latè – oubyen yon bon zanmi Jezi.

eprèv 2: Tout legliz yo a lepòk te asèpte liv la.

eprèv 3: Liv la pa t ka kontrarye lòt liv ki te asèpte yo.------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

Page 291: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

286 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

APRAnn PLIS SOu BIB LASeksyon 8 Leson 4

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------Kat 2

eske ou te konnen ke liv Ansyen Testaman an yo pa nan lòd ke yo te ekri a? Okontrè, moun òganize yo selon ki jan de literati ke yo ye. Se Tora a, oubyen liv Lwa yo, ki vini avan. Aprè se istwa. Lèfini se Powezi ak liv Sajès ki vini an dènye.

Aprann non tout liv Bib la yo pa kè se yon bagay ki ka ede ou anpil pandan w ap chache yon pasaj nan Bib la. Pa egzanp, si yon moun di w chache Rit 1.16, epi ou nan liv Jij la, ou konnen ke Rit se liv ki vini aprè Jij. Ou pa p oblije chache nan toule 66 liv yo pou w jwenn liv Rit la.

Sa ede nou anpil tou pou nou konnen kote pou nou chache chapit ak vèsè ke nou bezwen an. Sa fasil anpil. Premye chif la, sa k vini avan pwen an se chapit la. Chif ki aprè pwen an se vèsè a. Lè w ap chache Rit 1.16, w ap chache premye chapit liv Rit la, epi sèzyèm vèsè nan chapit sa.

Lè Bib la te premye ekri, li pa t gen chapit ak vèsè ladan l. Yon nonm ki rele Stephen Langton, yon achevèk ki te soti Angletè, te mete divizyon chapit yo nan ane 1227 lan. Yon pwofesè jwif ki te rele natan te ajoute divizyon vèsè yo nan liv Ansyen Testaman an yo nan ane 1448. Lèfini, yon nonm ki rele Robert estienne, ke moun te rele Stephanus tou, te mete divizyon vèsè nan nouvo Testaman an nan 1555.------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------Kat 3

Pou anpil ane, moun jwif ki te kopye Bib la a men te devlope yon sistèm kote yo te konte chak mo nan liv Ansyen Testaman an. Si yon moun ki tap kopye te pèdi menm yon sèl grenn mo, yo tap konnen. Yo te fè anpil atansyon pou yo asire ke yo te kopye l byen. Si yo te dekouvri yon erè, yo antere kopi sa.

nouvo Testaman an te kopye ak anpil swen tou. Gen plis ke 5.700 kopi de nouvo Testaman an ke nou genyen jodia. Plis ke 98% de tan an, kopi yo dakò. Kote ki gen konfli, 2% de tan an, pa t gen okenn chanjman enpòtan nan sa Kretyen kwè. Bib la fyab e nou ka fè l konfyans.

Yon nonm ki rele John Gutenberg te envante yon près pou moun enprime liv. Premye liv ke li te enprime se te Bib la nan ane 1455. Yon fwa ke anpil kopi nan Bib la te ka enprime, anpil kopi te pase nan tout latè.------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

LÈ POU LESON AN1. Istwa Bib lan: Liv Bib la yo.

Objektif: Timoun aprann ki jan moun lontan te chwazi ki liv pou yo mete nan Bib la.

Mande timoun k ap jwe wòl istoryen an pou l li premye kat la, ke nou mete la pou ou menm, pwofesè a.

Page 292: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

287KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

APRAnn PLIS SOu BIB LA Seksyon 8Leson 4

Bonjou! Si w te bliye, mwen rele Dr. Konnen-Bib-La. M se yon istoryen nan istwa Bib la. Jodia, nou gen 66 liv nan Bib la. Poukisa pa gen 67 oubyen 76? Kretyen te oblije deside ki liv pou yo mete, e ki liv yo pa dwe mete. Pwosè yo te itilize pou yo deside ki liv pou yo mete nan Bib la rele kanonizasyon. Pou Ansyen Testaman an, Kretyen deside asèpte menm 39 liv ke pèp jwif la te asèpte a. Men yo te chwazi 27 liv nouvo Testaman an yo paske yo te pase 3 eprèv:

eprèv 1: Liv la te sipoze gen koneksyon a yon moun ki te temwen Kris resisite a – yon moun ki te wè Jezi pandan l te isi sou latè – oubyen yon bon zanmi Jezi.

eprèv 2: Tout legliz yo a lepòk te asèpte liv la.

eprèv 3: Liv la pa t ka kontrarye lòt liv ki te asèpte yo.

Lè timoun nan fin li kat la, di konsa:

Nou pral mete kèk nan liv a leprèv. Tout se liv ki te ekri byen lontan ke legliz la a lepòk te konsidere mete nan Nouvo Testaman an. Gen nan yo ke yo te mete, gen ke yo pat mete. M pa p di ou non liv la. M ap dekri liv la pou ou, epi nou menm n ap vote. Si ou panse liv la ke m dekri a pase toule twa eprèv yo, bat bravo. Si liv la pa pase menm yonn nan eprèv yo, di “Non” byen fò.

Premye liv la gen non Pyè nan tit la. Li te ekri anviwon ane 135 lan. Anpil legliz a lepòk te li liv sa, men se pa tout legliz yo. Liv sa pa t kontrarye ansèyman Jezi yo.

• Eske liv sa ap nan Bib la oubyen non?

Bay timoun yo yon moman pou yo reponn.

Non, liv sa pa t nan Bib la. Li te rele Apokalips Pyè a. Pyè pa t ka ekri li paske se te aprè Pyè te fin mouri. Se pa tout legliz yo ki te li liv sa. Se konsa, se yon sèl nan eprèv yo li pase, yo pa t mete l nan Bib la.

Dezyèm liv la gen non yonn nan disip Jezi yo ladan l. Li te ekri anviwon ane 150 lan. Li rakonte plizyè istwa de ki jan Jezi te fè plizyè mirak pou benefis pa li. Te gen kèk legliz ki te sèvi ak liv sa, men se pa tout.

• Eske liv sa ap nan Bib la oubyen non?

Bay timoun yo yon moman pou yo reponn.

Non, liv sa pa t nan Bib la. Li te rele Levanjil Enfans Toma a, e li pa pase menm yonn nan eprèv yo.

Se lapòt Pòl ki te ekri twazyèm liv la. Se te yon lèt ke Pòl te ekri pou yonn nan legliz yo a lepòk, men se tout legliz yo ki te sèvi avèk li. Liv sa pa t kontrarye okenn nan ansèyman Jezi yo.

Page 293: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

288 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

APRAnn PLIS SOu BIB LASeksyon 8 Leson 4

• Eske liv sa ap nan Bib la oubyen non?

Bay timoun yo yon moman pou yo reponn.

Wi, liv sa nan Bib la. Li rele Women, e se yon lèt ke Pòl te ekri pou legliz Wòm nan byen lontan. Se sizyèm liv nan Nouvo Testaman an.

Apepre ane 150 lan, prèske tout liv ki nan Nouvo Testaman ke nou genyen kounyeya te asèpte kòm liv valab nan Bib la. Pou yon bon ti tan, te toujou gen deba sou si kèk liv dwe rete nan Bib la. Men aprè yon tan, tout Kretyen te vin asèpte 27 liv nan Nouvo Testaman an, e jodia tout Kretyen dakò sou 39 liv nan Ansyèn Testaman an yo tou.

• Poukisa ou panse li te enpòtan pou yo pase liv sa yo anba eprèv avan yo mete yo nan Bib la?

• Poukisa ou panse toule 3 eprèv sa yo te enpòtan?

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun aprann ki jan pou yo chache yon vèsè oubyen pasaj nan Bib la.

Rele yon elèv pou l vin gade Bib ou epi pou l chache repons kesyon sa yo. Si ou pa gen yon Bib, kite kesyon sa yo, epi kontinye nan paragraf swivan an. Li tap bon anpil si ou te gen yon Bib pou plizyè gwoup 5-6 elèv. Mande yo ouvri nan kòmansman Bib la pou yo chache Tab Matyè a. esplike ke Tab Matyè a bay yon lis de tout liv ki genyen nan Bib la ak nimewo paj kote chak liv kòmanse. Si Bib yo diferan, nimewo paj yo ap diferan, sitou si Bib yo se vèsyon diferan oubyen yo pat enprime menm lè.

• Sou ki paj liv Jenèz la kòmanse?

• Sou ki paj Nouvo Testaman an kòmanse?

• Sou ki paj liv Som kòmanse?

• Sou ki paj liv Women kòmanse?

Ou ka toujou chache nimewo paj la si w ap chache yonn nan liv Bib yo, men l ap pi vit si w aprann tout non liv yo pa kè. Epi lamenm w ap konnen si w nan Ansyen oubyen Nouvo Testaman an. W ap ka chache plas ou byen vit.

Ankouraje timoun yo aprann liv Bib la yo pa kè. Di yo ke si yo aprann tout, yo sipoze vin di ou sa. Sa ap yon bèl bagay pou yo acheve.

Mande elèv k ap jwe wòl istoryen an kontinye. Si posib, pandan l ap li, mache nan klas la epi montre timoun yo yon Bib. Montre non liv la. Montre kote nimewo chapit la ye. Montre kote nimewo vèsè yo ye. (Timoun yo ka chache non liv, chapit ak vèsè nan Bib yo tap sèvi tou.)

nou mete kat istoryen yo la pou ou menm pwofesè a tou.

Page 294: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

289KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

APRAnn PLIS SOu BIB LA Seksyon 8Leson 4

Kat 2

eske ou te konnen ke liv Ansyen Testaman an yo pa nan lòd ke yo te ekri a? Okontrè, moun òganize yo selon ki jan de literati ke yo ye. Se Tora a, oubyen liv Lwa yo, ki vini avan. Aprè se istwa. Lèfini se Powezi ak liv Sajès ki vini an dènye.

Aprann non tout liv Bib la yo pa kè se yon bagay ki ka ede ou anpil pandan w ap chache yon pasaj nan Bib la. Pa egzanp, si yon moun di w chache Rit 1.16, epi ou nan liv Jij la, ou konnen ke Rit se liv ki vini aprè Jij. Ou pa p oblije chache nan toule 66 liv yo pou w jwenn liv Rit la.

Sa ede nou anpil tou pou nou konnen kote pou nou chache chapit ak vèsè ke nou bezwen an. Sa fasil anpil. Premye chif la, sa k vini avan pwen an se chapit la. Chif ki aprè pwen an se vèsè a. Lè w ap chache Rit 1.16, w ap chache premye chapit liv Rit la, epi sèzyèm vèsè nan chapit sa.

Lè Bib la te premye ekri, li pa t gen chapit ak vèsè ladan l. Yon nonm ki rele Stephen Langton, yon achevèk ki te soti Angletè, te mete divizyon chapit yo nan ane 1227 lan. Yon pwofesè jwif ki te rele natan te ajoute divizyon vèsè yo nan liv Ansyen Testaman an yo nan ane 1448. Lèfini, yon nonm ki rele Robert estienne, ke moun te rele Stephanus tou, te mete divizyon vèsè nan nouvo Testaman an nan 1555.

• Poukisa li enpòtan pou w aprann liv Bib la yo nan lòd ke yo ye?

• Bay kèk fason ke ou ka aprann non liv Bib yo.

• Ki jan sa ede nou lè gen chapit ak vèsè nan Bib la?

3. Mennen vi w ak pawòl BondyeObjektif: Timoun aprann ki jan moun jwif te kopye Bib la byen lontan. Yo te kopye yo a men ak anpil swen, e y ap aprann tou ki jan enprimant lan te vin distribye Bib la nan tout latè.

Li lè pou istoryen an fè travay li ankò! Fè timoun kap jwe wòl istoryen an li Kat 3, ke nou mete la pou ou menm pwofesè a.

Kat 3

Pou anpil ane, moun jwif ki te kopye Bib la a men te devlope yon sistèm kote yo te konte chak mo nan liv Ansyen Testaman an. Si yon moun ki tap kopye te pèdi menm yon sèl grenn mo, yo tap konnen. Yo te fè anpil atansyon pou yo asire ke yo te kopye l byen. Si yo te dekouvri yon erè, yo antere kopi sa.

nouvo Testaman an te kopye ak anpil swen tou. Gen plis ke 5.700 kopi de nouvo Testaman an ke nou genyen jodia. Plis ke 98% de tan an, kopi yo dakò. Kote ki gen konfli, 2% de tan an, pa t gen okenn chanjman enpòtan nan sa Kretyen kwè. Bib la fyab e nou ka fè l konfyans

Page 295: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

290 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

APRAnn PLIS SOu BIB LASeksyon 8 Leson 4

Yon nonm ki rele John Gutenberg te envante yon près pou moun enprime liv. Premye liv ke li te enprime se te Bib la nan ane 1455. Yon fwa ke anpil kopi nan Bib la te ka enprime, anpil kopi te pase nan tout latè.

Yon lòt opsyon

Mete elèv yo nan gwoup de 3 ou 4 elèv. Bay chak gwoup 2 fèy papye ek yon kreyon. Mete plizyè kreyon pou si moun bezwen yo tou.

Enprimant lan te gen lèt an metal ke yon moun te ka ranje pou fè diferan mo. Moun nan mete lèt yo nan lòd ke li vle yo, li mete lank nan mo metal yo, epi li peze yon fèy papye sou lèt metal yo ki te gen lank nan yo. N ap fè yon aktivite ki sanble ak yon enprimant. Nan gwoup nou, kolore yon bò papye a ak yon kreyon. Peze di pou koulè a fonse nan papye a.

Aprè 1 ou 2 minit, fè timoun yo vire fèy papye a e mete bò ki kolore a sou yon fèy papye blan. epi peze byen di ak kreyon yo, yo sipoze ekri yo bagay sou do papye ki kolore a. Mesaj la ap transfere sou papye blan an, prèske tankou yon enprimant transfere lank sou papye tou.

Fen opsyon

• Poukisa li te enpòtan pou moun ki tap kopye Bib la fè anpil atansyon pandan yo tap kopye a?

• Poukisa ou panse gen moun ki di ke envansyon enprimant lan se pi gwo evènman pou fè pawòl Bondye pase nan tout latè?

• Kisa ou aprann jodia de Bib la ki enteresan?

• Gen kèk telefòn selilè ak òdinatè ki gen Bib la nan yo. Eske ou panse li Bib nan yon selilè osi bon ke li liv la li menm?

Di yo ke wi, sa bon tou! Sa se yon nouvo fason ke Bondye ban nou pou nou li pawòl li. Premye Kretyen te li nan gwo papye long. Kounyeya pi fò moun li nan liv. nan lavni, moun ap plis li nan aparèy elektwonik.

Femen ak lapriyè.

Papa Bondye, nou di w mèsi paske ou ban nou Bib la. Som 119.105 di nou ke, “Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m’ap mete pye m, se yon limyè k’ap klere chemen mwen.” Nou vle vin konnen pawòl ou pou nou ka toujou konnen ki jan ou vle nou mennen vi nou. Nou priye w konsa nan non Jezi, amèn.

Konsèy pou Pwofesè: Di elèv yo ke nenpòt elèv ki vle aprann tout liv Bib la yo pa kè ka Bib la yo ka di Bondye sa e mande Bondye ede yo acheve sa.

Page 296: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

291KOnSAnTRe SOu FòMASYOn SPIRITYèL

APRAnn PLIS SOu BIB LA Seksyon 8Leson 4

Kat 1

Bonjou! Si w te bliye, mwen rele Dr. Konnen-Bib-La. M se yon istoryen nan istwa Bib la. Jodia, nou gen 66 liv nan Bib la. Poukisa pa gen 67 oubyen 76? Kretyen te oblije deside ki liv pou yo mete, e ki liv yo pa dwe mete. Pwosè yo te itilize pou yo deside ki liv pou yo mete nan Bib la rele kanonizasyon. Pou Ansyen Testaman an, Kretyen deside asèpte menm 39 liv ke pèp jwif la te asèpte a. Men yo te chwazi 27 liv nouvo Testaman an yo paske yo te pase 3 eprèv:

eprèv 1: Liv la te sipoze gen koneksyon a yon moun ki te temwen Kris resisite a – yon moun ki te wè Jezi pandan l te isi sou latè – oubyen yon bon zanmi Jezi.

eprèv 2: Tout legliz yo a lepòk te asèpte liv la.

eprèv 3: Liv la pa t ka kontrarye lòt liv ki te asèpte yo.------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------Kat 2

eske ou te konnen ke liv Ansyen Testaman an yo pa nan lòd ke yo te ekri a? Okontrè, moun òganize yo selon ki jan de literati ke yo ye. Se Tora a, oubyen liv Lwa yo, ki vini avan. Aprè se istwa. Lèfini se Powezi ak liv Sajès ki vini an dènye.

Aprann non tout liv Bib la yo pa kè se yon bagay ki ka ede ou anpil pandan w ap chache yon pasaj nan Bib la. Pa egzanp, si yon moun di w chache Rit 1.16, epi ou nan liv Jij la, ou konnen ke Rit se liv ki vini aprè Jij. Ou pa p oblije chache nan toule 66 liv yo pou w jwenn liv Rit la.

Sa ede nou anpil tou pou nou konnen kote pou nou chache chapit ak vèsè ke nou bezwen an. Sa fasil anpil. Premye chif la, sa k vini avan pwen an se chapit la. Chif ki aprè pwen an se vèsè a. Lè w ap chache Rit 1.16, w ap chache premye chapit liv Rit la, epi sèzyèm vèsè nan chapit sa.

Lè Bib la te premye ekri, li pa t gen chapit ak vèsè ladan l. Yon nonm ki rele Stephen Langton, yon achevèk ki te soti Angletè, te mete divizyon chapit yo nan ane 1227 lan. Yon pwofesè jwif ki te rele natan te ajoute divizyon vèsè yo nan liv Ansyen Testaman an yo nan ane 1448. Lèfini, yon nonm ki rele Robert estienne, ke moun te rele Stephanus tou, te mete divizyon vèsè nan nouvo Testaman an nan 1555.------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------Kat 3

Pou anpil ane, moun jwif ki te kopye Bib la a men te devlope yon sistèm kote yo te konte chak mo nan liv Ansyen Testaman an. Si yon moun ki tap kopye te pèdi menm yon sèl grenn mo, yo tap konnen. Yo te fè anpil atansyon pou yo asire ke yo te kopye l byen. Si yo te dekouvri yon erè, yo antere kopi sa.

nouvo Testaman an te kopye ak anpil swen tou. Gen plis ke 5.700 kopi de nouvo Testaman an ke nou genyen jodia. Plis ke 98% de tan an, kopi yo dakò. Kote ki gen konfli, 2% de tan an, pa t gen okenn chanjman enpòtan nan sa Kretyen kwè. Bib la fyab e nou ka fè l konfyans.

Yon nonm ki rele John Gutenberg te envante yon près pou moun enprime liv. Premye liv ke li te enprime se te Bib la nan ane 1455. Yon fwa ke anpil kopi nan Bib la te ka enprime, anpil kopi te pase nan tout latè.

Page 297: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 298: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

293

Jezi Renmen m Vre!Seksyon 8 • Leson 5Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Amou Jezi pou mwen pa janm chanje.

Jodia timoun yo aprann ke Jezi renmen yo menm lè yo pa santi sa oubyen yo santi yo pa enpòtan.

Jodia timoun yo ankouraje pou yo chache moman ke Jezi demontre yo amou spesyal li semènn sa.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Okenn

Yon nòt pou ou menm, Pwofesè:Jodia w ap kòmanse yon seri de 4 leson ki pale sou devlope yon karaktè de amou. Lè timoun yo tande pale de “renmen,” yo gendwa panse de amou womantik. Sa se yon kalite renmen, men se pa sèl kalite sa ki genyen. nan leson sa yo, ou pral pale sou kalite renmen ke Jezi bay. Lè timoun resevwa amou Jezi, yo ka bay lòt moun li tou. Y ap aprann ke menm si yo pa toujou santi ke lòt moun renmen yo, Jezi ap toujou renmen yo.

LÈ POU LESON AN1. Prezante Renmen

Objektif: Timoun ap jwe wòl nan yon istwa Bib ki pa kite okenn dout ke Jezi renmen yo.

Ouvri klas la jodia ak yon ti pale sou sa ki rele renmen.

• Lè ou tande moun ap pale de “renmen,” kisa ki antre nan tèt ou?

• Ki jan ou fè konnen si w gade 2 moun pou w konnen si yo renmen yonn lòt?

• Lè yon moun renmen ou, ki jan ou santi w?

Eske ou konnen ke gen yon moun ki te toujou renmen ou e ki ap toujou renmen ou? Se Jezi! Jezi renmen ou! Li te toujou renmen ou, menm avan ou te fèt. Menm lè lòt moun pa renmen ou jan yo ta sipoze fè, Jezi toujou renmen ou.

Page 299: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

294 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

JezI RenMen M VRe!Seksyon 8 Leson 5

Ou sonje yon istwa nou te etidye pa lontan pase de ki jan Jezi pa t anpeche timoun yo vin kote li? Li te vle beni yo. Li te konnen ke yo te enpòtan menm jan ak granmoun – menm granmoun ki grannèg anpil.

Ou konnen istwa a deja. M ap revize l pou ou byen vit, e aprè, n ap jwe wòl istwa a.

Yon jou, gen kèk moun ki te mennen pitit yo vin kote Jezi. Yo te vle Jezi beni pitit yo. Men disip Jezi yo tap anpeche timoun yo vin kote li. Yo panse timoun yo tap pral nwi Jezi.

Lè Jezi wè ke yo tap anpeche timoun yo, li pat kontan menm. Li di yo konsa, “Kite timoun yo vin kote mwen; pa enpoze yo. Yo gen yon plas spesyal nan wayòm Bondye a.”

Jezi te pran timoun yo nan bra li e li anbrase yo. Li te mete men sou tèt timoun yo epi li beni yo.

Chwazi kèk timoun pou jwe wòl sa yo:

Jezi (chwazi yon sèl timoun)

Timoun (chwazi plizyè timoun)

Paran (chwazi plizyè timoun)

Disip (plizyè timoun)

Di timoun k ap jwe wòl yo ke yo sipoze pale tou. Jezi ak disip yo sipoze kanpe nan mitan espas kote n ap fè sa. Timoun yo ak paran yo sipoze rete sou lòt bò a. Kite yo jwe wòl tout istwa a. Paran yo sipoze kòmanse e ale kote disip yo, mande yo si Jezi ka beni pitit yo pou yo. Si w gen tan, chwazi yon dezyèm gwoup timoun pou jwe wòl yo.

Konsèy pou Pwofesè: Lè n ap pale sou bagay sa, anpil emosyon pwofon ka soti nan timoun yo lè y ap reflechi sou relasyon ke yo genyen ak moun. Pa prese nan diskisyon an; men fè sèten ke tout moun gen okazyon pou yo pale. Koute chak timoun k ap pale. Ankouraje yo e asire yo ke ou vle tande kisa chak timoun gen pou l di. Si gen yon timoun ki pafwa santi ke moun pa renmen li, fè efò pou w ankouraje li aprè klas la e aprè sa tou.Pale sou kesyon sa yo ak klas la:

• Nan istwa sa, ki jan ou panse timoun yo te santi yo lè disip yo te anpeche yo vin kote Jezi?

• Eske janm gen moun ki fè w santi ke ou pa enpòtan? Kisa moun nan te di oubyen fè?

• Eske ou janm santi ke yon moun pa renmen ou? Ki jan ou te santi w de sa?

• Ki jan ou panse Jezi santi l lè moun di ou ke ou pa enpòtan?

Page 300: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

295KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

JezI RenMen M VRe! Seksyon 8Leson 5

3. Eksplore RenmenObjektif: Timoun yo ap deside kisa Jezi tap di sou renmen nan 4 sitiyasyon sa yo.

Kounyeya nou pral itilize imajinasyon nou. M pral ba ou 4 ti istwa. Ou pral di m kisa ou panse Jezi tap di timoun ak lòt moun ki nan istwa a sou renmen.

Ti Istwa 1 Wolan kout anpil. Lè li leve men l pou reponn yon kesyon pwofesè a poze, pwofesè a pa janm rele li. Petèt li pa ka wè Wolan paske men lòt timoun yo pi wo. Sa fè Wolan tris e l ap mande nan kè l si se renmen pwofesè a pa renmen li.

• Kisa ou panse Jezi tap di Wolan?

• Kisa ou panse Jezi tap di pwofesè a?

Ti Istwa 2 Manman Gracia pa janm vin wè li kote li nan pansyon paske li lwen e manman l pa gen anpil lajan. Gracia pa janm konnen papa li, e lè paran lòt timoun yo vini, Gracia santi l tris anpil. Paran lòt timoun yo pa janm pale avèk li. Yo twò kontan pou yo pale ak pitit pa yo.

• Kisa ou panse Jezi tap di Gracia?

• Kisa ou panse Jezi tap di paran lòt timoun yo?

Ti Istwa 3 Stefani pa kwè ke okenn moun renmen li. Okenn granmoun pa janm di li, “Stefani, ou se yon timoun ki spesyal. M renmen ou.” Li kwè ke li lèd e ke moun pa p renmen li. Sa fè l fache. Li move ak lòt timoun yo e li souvan nan batay avèk yo tou. Li deside ke si tout moun mete nan tèt yo ke moun pa ka renmen li, ebyen l ap aji yon fason pou moun pa renmen li menm.

• Kisa ou panse Jezi tap di Stefani?

• Kisa ou panse Jezi tap di lòt timoun yo?

Ti Istwa 4 Ayisha se yon timoun ki timid anpil. Men lè li pou kont li, li renmen fè kòm si li devan anpil moun ap bay yo istwa sou Jezi. Li fè kòm si yo koute chak mo paske li sitèlman bay istwa yo byen. Li mete anpil ekspresyon e li bay anpil vwa nan istwa a tou. Men pa gen okenn moun ki konnen ke li fè sa. Yon jou, li tande yon pwofesè k ap di yon lòt moun konsa, “M pa panse Ayisha ap janm fè anyen ak lavi li. Li pa sanble gen okenn talan menm.” Je Ayisha plen dlo, e li deside ke l ap sispann bay istwa yo nèt.

• Kisa ou panse Jezi tap di Ayisha?

• Kisa ou panse Jezi tap di pwofesè a?

Page 301: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

296 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

JezI RenMen M VRe!Seksyon 8 Leson 5

3. Mennen Vi w ak RenmenObjektif: Timoun yo ap envite pou yo chache amou Bondye nan lavi yo semènn sa.

Jezi renmen timoun anpil – menm si yo santi pa gen moun ki renmen yo oubyen yo santi yo pa enpòtan. Li renmen ou anpil anpil. Semènn sa, m vle ou bat pou w sonje ke Jezi toujou renmen ou.

Men devwa ou: chache mwayen Jezi sèvi pou l montre ou ke li renmen ou. Petèt l ap vini nan yon moman ke ou santi w pa enpòtan oubyen ke moun pa renmen ou. Petèt w ap wè prèv ke Jezi renmen ou lè yon moun souri oubyen di ou ke ou spesyal. Si ou renmen desinen, fè yon desen chak jou de kisa ou tap fè lè ou te sonje ke Jezi renmen ou.

Lè nou reyini lòt semènn, ou ka rakonte nou tout de moman sa ke ou te genyen ak Jezi. Si ou fè desen, silvouplè pote yo vini pou nou tout ka wè yo.

Mwen menm tou, m ap chache wè prèv ke Jezi ap montre mwen ke li renmen m tou. M ap pale ou de sa lòt semènn tou.

Kounyeya nou pral pale ak Jezi. Pou n kòmanse, fè silans. Pa di anyen fò. Sèlman panse nan lespri ou. Li ka tande sa w ap panse. Ou ka di Jezi nenpòt sa ou vle.

Bay timoun yo yon minit pou yo priye. Aprè sa, priye pou tout klas la tande. Priye priyè sa oubyen ou mèt priye sa ou vle.

Jezi, nou di w mèsi ke ou renmen nou, menm lè lòt moun pa renmen nou nan fason nou ta vle. Semènn sa, silvouplè montre nou ankò e ankò ki jan ou renmen nou vre. Amèn.

Chwazi kèk ti chanson ki pale de amou Bondye e chante yo ansanm ak timoun yo.

Page 302: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

297

Atik Siplemantè

Li Enpòtan pou Timoun JweJanette Pepall

Bondye bay timoun yon don pou yo jwe. Yo pa janm pi kontan ke lè y ap jwe.

Kisa Ki Rele Jwe?

Jwe se nenpòt bagay nou fè pou plezi oubyen rekreyasyon. Menm lè jwe a se yon bagay ki amize nou, gen moun ki di ke jwe se yon travay pou timoun. Jwe a ankouraje anpil devlòpman ak ansèyman. Li enpòtan tou ki jan, kilè, kote, e ak ki moun timoun jwe.

10 Benefis de Jwe

1. Jwe bay timoun konesans.

•Yo aprann pratike nouvo bagay.

•Li ankouraje yo pou yo chache konnen kòman bagay yo mache.

•Yo rezoud pwoblèm.

•Yo aprann leson ke y ap itilize lè yo granmoun.

2. Jwe rebati kominikasyon timoun.

•Yo aprann nouvo langaj.

•Yo pataje langaj yo ak lòt timoun ak granmoun.

•Yo aprann langaj ki pa vèbal.

3. Jwe remonte devlòpman timoun.

• Jwe rebati fòs yo.

• Jwe ogmante kowòdonasyon yo.

• Jwe itilize ti misk piti. Pa egzanp, misk ke yo itilize pou yo sèvi ak yon kreyon.

• Jwe ede timoun itilize gwo misk. Pa egzanp, misk ke yo itilize pou yo choute yon boul.

• Jwe anseye e ankouraje timoun li e ekri.

• Jwe ankouraje timoun antann yo byen ak yonn lòt.

Page 303: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

298 ATIK SIPLeMAnTè

LI enPòTAn POu TIMOun Jwe

4. Jwe ede timoun konprann lemònn. Jenn timoun pa ka sèvi ak mo pou yo pale sou sa ki ap twouble yo. Timoun ki pi gran gendwa twò twomatize pou yo pale sou sa k ap twouble yo.

Li enpòtan anpil pou timoun itilize desen ak jwèt. Kalite jwe sa ankouraje timoun eksprime emosyon yo, panse yo ak opinyon yo sou evènman nan lavi yo. Jwèt timoun ka ede granmoun pale avèk timoun nan de ki jan li santi li. Granmoun gendwa vin konprann pi byen tou poukisa yon timoun ap fè dezòd tou.

5. Jwe ankouraje timoun vin kreyatif.

6. Jwe fè kè timoun kontan.

7. Jwe bati relasyon ant timoun ak lòt timoun, epi ant timoun ak granmoun tou. Li rebati konfyans.

8. Jwe ankouraje timoun nan santi ke li kote li sipoze ye a.

9. Jwe ede timoun nan santi li acheve yon bagay e li gen konfyans nan tèt pa li.

10. Jwe se sa Bondye te vle pou timoun piti li yo!

Kòm granmoun, nou dwe bay timoun tan pou yo jwe, sitou nan moman strès nan lavi yo. Si nou bay timoun yon kote pou yo jwe, yon chans pou yo jwe, ak kèk bagay pou yo jwe, sa ap ede yo grandi byen e gen fòs tou.

Page 304: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

299

Zanmi Ki Renmen NouSeksyon 8 • Leson 6Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: zanmi demontre amou Jezi lè yo ede yonn lòt.

Jodia timoun yo aprann ke lè nou renmen moun, nou deside ede yo.

Jodia timoun yo ankouraje pou yo chache fason pou yo ede lòt timoun.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Yon mouchwa oubyen twal pou w mare je timoun yo • 2 ti wòch pou voye

Yon lòt opsyon: • 2 boul ki gen menm gwosè • Kèk ti sirèt

LÈ POU LESON AN1. Prezante Renmen

Objektif: Timoun aprann istwa 4 zanmi k ap ede yon moun paralize vin jwenn Jezi. Mak 2.1-12

Konsèy pou Pwofesè: Pandan timoun yo ap antre, mande yo ki jan yo pase semènn nan. eske gen nan yo ki te fè eksperyans amou Jezi nan yon bèl fason? Si Jezi te montre yo ki jan li renmen yo, ankouraje yo di klas la sa. Ou menm tou, bay istwa pa ou.Rakonte elèv yo istwa sa. Anpil nan yo pral konnen li deja, ou mèt kite yo ede ou rakonte li. Gen plizyè kote ke w ap kanpe e li 3 fason ke istwa a te ka kontinye de la. Kite timoun yo chwazi kilès nan yo ki kòrèk. Sa ki kòrèk la soulinye pou ou.

Mwen te li yon istwa sou 4 zanmi ki te vle mennen zanmi yo ale kote Jezi. Ou gendwa tande istwa sa deja. Pandan m ap rakonte istwa sa, m ap kanpe plizyè fwa epi m ap ba ou 3 fason ke istwa a te ka kontinye. Epi nou menm menm, n ap chwazi kilès nan yo ki te pase vre. Koute byen.

Page 305: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

300 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

zAnMI KI RenMen nOuSeksyon 8 Leson 6

Jezi tap preche lakay yon moun. Kay la te chaje moun, paske tout moun te anvi tande sa Jezi tap di. Kay la te sitèlman plen moun ke pa t gen mwayen pou 4 zanmi ki te vle mennen zanmi yo vin kote Jezi antre kay la. Yo te gendwa ap pouse moun, mande moun ranje kò yo, rele pou moun yo kite yo antre. Yo te anvi mennen zanmi yo wè Jezi, men yo pa t ka rive antre.

• Kilès nan 3 bagay sa yo èske zanmi yo te fè?

Yo kite sa, yo ale, epi yo di y ap retounen demen. Yo mete zanmi a chita devan pòt kay la pou Jezi te ka wè li lè l ap kite kay la. Yo foure yon tou nan tèt kay la, epi yo desann zanmi an devan Jezi.

• Jezi menm li gade nonm paralize a ki te sou nat la. Kilès nan 3 bagay sa yo èske Jezi fè?

Jezi manyen nonm nan epi li geri li san l pa di yon mo. Jezi raple zanmi yo pou yo ranje tèt kay la avan yo ale. Jezi di nonm paralize a, “Peche ou padonnen.”

Kòm nou konnen, se pa toujou peche ke nou fè ki koz nou gen maladi. Men chak moun se yon pechè ki bezwen padonnen. Jezi te konn sa, e li te prèt pou l padonnen nonm nan.

Lè Jezi te di, “Peche ou padonnen,” kèk direktè lalwa ki te la kòmanse di nan kè yo, “Kisa Jezi ap di la? Sa se peche! Se sèl Bondye ki ka padonnen peche!” Men wi, Jezi te konnen kisa ki te nan kè yo, paske li se Bondye menm.

• Lè sa, Jezi poze direktè lalwa yo yon kesyon. Ki kesyon Jezi poze yo?

Kisa ki pi fasil pou m di nonm paralize a, “Peche ou padonnen,” oubyen “Kanpe, pran nat ou epi mache”? Nou menm direktè lalwa toujou ap kesyone m. Poukisa nou pa kite sa? Si ou gen yon bagay pou w di, poukisa nou pa di l fò pou m tande?

• Jezi te padonnen peche yon nonm, men li pa t kanpe li. Kilès nan sa yo Jezi te di nonm nan?

“M byen regrèt sa, men tout tan zanmi w yo pa ranje tèt kay la, m pap ka geri ou.” “Kanpe, pran nat ou, mache al lakay ou.” “M ap padonnen peche ou, men w ap rete paralize pou peche ou te komèt la.”

Ou pa ta renmen la? Nonm nan leve, li pran nat li. Yon minit avan li te paralize, li pa t ka mache. Kounyeya moun yo tap separe pou yo kite l soti nan pòt la. Tout moun sezi!

Page 306: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

301KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

zAnMI KI RenMen nOu Seksyon 8Leson 6

• Kilès nan bagay sa yo moun yo te di?

“Mezanmi! Jezi se yon bon doktè!” “Se pou m te vini ak zanmi malad mwen an tou.” “nou pa janm wè bagay konsa!”

2. Eksplore RenmenObjektif: Timoun pral pale sou ki moun nan istwa a ki demontre renmen, e ki moun ki pa demontre renmen.

Nan kèk nan kesyon yo, w ap wè li bon pou w kite plizyè elèv reponn:

• Ki moun ki te plis demontre renmen nan istwa sa?

• Ki jan zanmi yo te montre ke yo renmen nonm paralize a?

• Ki moun ki pa t demontre renmen nan istwa sa? Kisa yo te fè ki fè nou wè ke yo pa t demontre renmen?

• Ki jan ou panse lavi nonm nan te ye aprè zanmi l yo te mennen l kote Jezi?

• Kisa ou panse li te santi l anvè zanmi l yo aprè li te geri?

• Eske ou ka di nou yon lè ke yon moun te montre renmen e te ede ou?

• Eske ou ka di nou yon lè ke ou te demontre renmen e te ede yon lòt moun?

3. Mennen Vi w ak RenmenObjektif: Timoun ap demontre zanmi yo renmen pandan y ap jwe jwèt.

Pandan rès klas la jodia, ou pral jwe kèk jwèt. Jwe tout jwèt ke tan pèmèt. Si w gen tan pou yon sèl, pa gen pwoblèm. Kite ase tan pou w priye.

Yon lòt opsyon:

Li tap bon si w te gen ti sirèt pou sa k genyen jwèt yo. Fè sèten ke tout moun jwenn sirèt, menm si ekip yo a pa genyen.

Fen opsyon

PReMYe JwèT

Mete yon lin kote pou timoun yo kòmanse. Mete yon lin kote pou kous la fini. Separe elèv yo nan gwoup de 5 ou 6 timoun chak.

Nan jwèt sa, w ap fè kòm si se nou menm ki te zanmi nonm nan ki pa t ka mache. Ou sipoze kouri ak zanmi ou mennen l ale jwenn Jezi. Ekip ou sipoze pote yonn nan

Page 307: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

302 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

zAnMI KI RenMen nOuSeksyon 8 Leson 6

moun nan ekip ou pou w travèse lin darive a. Chwazi ki moun nou pral pote. Rès ekip la sipoze leve li ak men, bra ak do yo. Premye ekip ki travèse lin darive a, epi retounen nan kòmansman an ap genyen. A chak moman pandan kous la, men tout moun nan ekip la sipoze sou moun y ap pote a. Pèsonn nan ekip la pa ka touche atè a. Si okenn moun manyen atè, tout ekip li ap oblije rekòmanse kous la. Premye ekip ki retounen nan kòmansman an ap genyen.

Si w remake ke genyen kèk ekip ki bon anpil nan ede yonn lòt, ankouraje yo e di yon bagay tankou, ““M renmen jan ekip sa ap ede yonn lòt! Y ap aji tankou zanmi ki te mennen nonm paralize vin kote Jezi.”

DezYèM JwèT

Separe klas la an gwoup de 3 elèv chak.

Kounyeya nou pral fè kòm si gen yon moun nan ekip la ki pa ka wè. Yon timoun nan gwoup la ap gen je l mare. Lòt 2 yo ap kanpe bò kote li e y ap gide li rive nan lin darive a, epi tounen nan kòmansman kous la.

Ankò si w remake ke genyen kèk ekip ki bon anpil nan ede yonn lòt, ankouraje yo e di yon bagay tankou, ““M renmen jan ekip sa ap ede yonn lòt! Y ap aji tankou zanmi ki te mennen nonm paralize vin kote Jezi.”

TwAzYèM JwèT

Separe klas la nan 2 ekip. Chak ekip ap kanpe dèyè lin de depa a pou fè yon 2 ke, k ap bay yonn lòt fas. Sa vle di ap genyen 4 lin elèv antou – 2 lin pou chak gwoup elèv.

Kounyeya n ap voye ti wòch (oubyen boul) bay yonn lòt pandan n ap kouri ale nan lòt bò sal la. W ap ede zanmi ou e w ap voye boul la nan yon fason ke li ka atrap li. Si zanmi ou lan kite boul la tonbe atè, ou dwe ale chache boul la, pote l ba li. Moun ki sou bò goch la ap kenbe boul la avan. Lè m di, ‘Ale!,” 2 premye elèv yo nan chak ekip ap pran yon pa ann avan. Sa ki sou bò goch la ap voye l bay elèv ki sou dwat la. Aprè sa, timoun sa ap avanse yon pa epi l ap voye l bay elèv ki sou bò gòch lan. Aprè chak pa, boul la sipoze chanje men. Rive nan lòt bò sal la epi retounen, voye boul la bay timoun ki sou lòt bò a aprè chak pa. Lè ou retounen kote ekip ou ye, 2 lòt jwè ka ale. Premye ekip pou l fini genyen.

M swete ke nou ap kontinye ede yonn lòt e demontre yonn lòt renmen nan semènn k ap vini an. Lè ou vin nan klas lòt semènn, m ap mande nou ki jan nou te ede yonn lòt e renmen yonn lòt.

Fèmen ak lapriyè. Ou ka priye konsa ou priye jan ou vle.

Jezi, nou di ou mèsi paske ou ede nou chak. Semènn sa, ede nou pou nou ede yonn lòt. Pandan n ap resevwa amou ou, ede nou pou nou bay yonn lòt renmen tou. Nou priye w konsa nan non Jezi, amèn.

Page 308: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

303

Renmen Bondye! Sèvi Yonn LòtSeksyon 8 • Leson 7Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Si nou renmen, fò nou sèvi.

Jodia timoun yo aprann ke nou demontre amou nou pou Bondye lè nou sèvi lòt moun.

Jodia timoun yo deside demontre Bondye renmen yo lè yo sèvi lòt moun.

MATERYÈL KE W AP BEZWENYon lòt opsyon: • Yon kat jewografik de peyi Lend • Papye • Kreyon desen • Si w vle: payèt, kolan, lòt dekorasyon pou papye

LÈ POU LESON AN1. Prezante Renmen ak Sèvis

Objektif: Timoun ap fè yon demonstrasyon e y ap tande yon istwa de kòman, si nou renmen Jezi, nou bay lòt moun priyorite. Mak 10.35-45

Kòmanse leson an e poze kesyon sa yo. Avan ou tande repons elèv yo, bay repons pa ou.

• Silvouplè leve men ou si yon moun te ede ou semènn sa. Kisa moun sa te fè pou l te ka ede ou? Kite m reponn avan.

• Silvouplè leve men ou si ou te ede yon moun semènn sa. Kisa ou te fè pou w ede li? Kite m reponn avan.

• Ki jan ou te santi w lè w tap ede yon lòt moun. Kite m reponn avan.

Page 309: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

304 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

RenMen BOnDYe! SèVI YOnn LòTSeksyon 8 Leson 7

Di timoun yo ke yo pral fè yon demonstrasyon de renmen pou leson an jodia. Di tout timoun yo pou yo vin kole byen sere ansanm, tankou yon boul. Kounyeya endike yonn nan timoun yo mitan boul la, epi di timoun sa pou l pouse pou l bat pou l soti nan boul la. Di tout moun pou yo pa blese yonn lòt, men di rès timoun yo pou yo anpeche li soti.

Lè timoun nan rive soti nan boul la, oubyen si ou we li pa p janm ka soti, di timoun yo separe epi ale chita. Pale sou sa ki te pase ak kesyon sa yo.

• Ki jan ou te santi w lè ou tap pouse soti nan boul la?

• Ki jan nou menm rès klas la te santi lè li tap pouse w pou l soti?

• Jodia, nou tout tap pouse paske se sa m te di w fè, men pafwa moun pouse yonn lòt pou anpil rezon. Poukisa ou panse moun pouse yonn lòt pou yo ka devan, oubyen pou yo ka an premye?

Petèt yo vle yon bagay ke yon lòt moun genyen. Petèt yo vle santi ke yo enpòtan. Petèt y ap panse ak tèt pa yo sèlman.

Lè Jezi te vivan, 2 nan disip li yo te fè yon bagay konsa, tankou pouse pou yo rive nan devan gwoup la. Yo pa t pouse okenn moun, men yo te vle parèt pi enpòtan e pi pwisan ke tout lòt disip yo. Koute sa ki te pase.

Jak ak Jan te vle se yo menm ki te disip ki pi enpòtan. De frè sa yo te ale kote Jezi, epi yo di l konsa, “Lè ou vin pwisan e w ap renye sou wayòm ou, nou vle pou se nou menm ki chita bò kote ou. Yonn nan nou sou bò goch, lòt la sou bò dwat ou.”

Sa 2 frè yo tap di se, “Nou vle pou w onore nou, pou nou ka enpòtan. Nou vle pou se nou menm ki pi enpòtan pase tout lòt disip yo.”

Jezi te konnen ke Jak ak Jan pa t konprann ki jan wayòm li te ye. Wayòm li se pa yon wayòm de pouvwa sou latè, tankou Anpi Women an. Men se yon wayòm kote moun ki renmen Jezi yo fè tout sa yo kapab pou yo sèvi Bondye. Jezi te di disip egzijan sa yo ke se pa li menm ki pral chwazi ki moun ki gen plas onè nan wayòm li. Desizyon sa a se pou Papa li – Bondye. Jezi te di:

Nou konnen ki jan moun ki pase pou chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan

yo gen pouvwa. Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg,

se pou l sèvi nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l esklav nou tout.

Paske mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis,

Page 310: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

305KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

RenMen BOnDYe! SèVI YOnn LòT Seksyon 8Leson 7

men mwen vini pou m rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m pou peye delivrans anpil moun.

Mak 10.42-45

Lè lòt 10 disip yo te tande kisa Jak ak Jan te mande Jezi, yo te fache. Petèt yo te panse ke Jak ak Jan te vle tout pou tèt pa yo. Oswa petèt lòt disip yo te vle plas enpòtan yo pou yo menm tou. Petèt yo te fache paske yo pa t panse pou yo mande Jezi sa pou tèt pa yo.

Jezi te rele tout disip yo ansanm pou l pale sou sa ki te pase. Li di yo ke chèf ki nan wayòm Bondye sipoze reflechi e aji diferan ke lòt chèf. Nan lemonn, chèf vle se yo menm ki an premye. Yo vle se yo ki gen pouvwa. Yo vle se yo ki devan. Men chèf nan wayòm Bondye konprann ke se pa yo menm ki enpòtan, men se Bondye. Yo konprann ke yo pa merite onè – se Bondye ki merite onè. Yo konprann se pa yo menm ki an premye – se Bondye ki an premye.

Jezi ak 12 disip li yo tap vwayaje e viv ansanm – menm jan nou menm nou viv ansanm oubyen toupre yonn lòt. Jezi te vle pou disip li yo renmen yonn lòt, menm jan li vle pou nou menm nou renmen yonn lòt. Li te vle yo sèvi yonn lòt, olye de toujou chache mwayen pou fè moun sèvi yo. Mezanmi! Sa se te yon nouvo fason pou yo viv!

2. Eksplore Renmen ak SèvisObjektif: Timoun ap tande de yon ti gason ki te soti nan adore idòl al aprann renmen e sèvi Bondye.

Anpil Kretyen demontre amou yo pou Bondye lè yo sèvi li e sèvi lòt moun tou. M pral pale ou de yon moun ki te rele Abraram. Se se yon vrè istwa ki te pase nan peyi Lend. Se pa yon istwa nan Bib la, menm lè moun sa a te gen menm non ak yon moun ki te enpòtan nan Bib la. Pandan m rakonte ou istwa a, panse ak tout fason moun sa Abraram ap demontre amou pou Bondye nan fason l ap sèvi lòt moun. Petèt yon jou Bondye ap rele ou pou w sèvi li menm jan ak Abraram.

Abraram gen 6 an, e li mete l ajenou devan yon idòl Endou, men pliye nan lapriyè. Prèt la te pase watè bèf nan fwon li, e pandan l seche, li vin tounen koulè wouj, yon siy ke Abraram te kwè nan pouvwa idòl la.

Abraram te abite nan zòn Srikakulum nan peyi Lend, nan nò rejyon Andhra Pradesh. (Si w gen yon kat jewografik de peyi Lend, montre elèv yo zòn nan.) Fanmi li te malere. Yo te gen yon ti jaden sèlman pou yo manje.

Yon lè, pandan vakans, Abraram te tande te gen kèk timoun ki tap amize yo nan leson biblik. Se konsa, Abraram vin ale. Paran l pat kontan, men relijyon Endou a pat twò enpòtan pou yo, e se konsa, manman l di konsa, “Si l amize, annou kite l ale.”

Page 311: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

306 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

RenMen BOnDYe! SèVI YOnn LòTSeksyon 8 Leson 7

Nan leson Bib sa yo, Abraram te vin aprann de amou Bondye. Li te tande istwa, li te aprann ti chanson, li te amize li. E pou yon ti gason ki pa t konn jwenn bagay dous souvan, li te renmen ti sirèt moun yo te konn ba li! Aprè leson Bib yo, li te kòmanse mache legliz chak dimanch. Li kòmanse di tout moun, “Kounyeya mwen se yon Kretyen.”

Men lè Abraram te gen bò 13 an, malè frape li. Papa l mouri, e manman l prèske pa ka travay, sitèlman l ap bat pou l soutni fanmi li. Abraram te vin fache ak Bondye. “Poukisa Bondye kite papa m mouri?” Li vin mete nan tèt li, “Petèt Bondye pa renmen m. Sanble pa gen yon Bondye vre.”

Nan moman ke Abraram tap vire do bay Bondye, se lè sa, manman l ak sè l yo tap tounen vin jwenn Bondye. Tonton l te vin di Abraram konsa, “M konnen ou nan pwoblèm kounyeya poutèt papa ou mouri. Men m vle pou w ale nan Lekòl Biblik avan ou deside ke pa gen Bondye vre.”

Abraram pa t vle vwayaje 800 kilomèt de fanmi li, pou l ale jouk nan yon vil byen lwen, vil Iderabad, men li te respekte e onore tonton li. Se konsa li ale. Li kontinye lite kont Bondye menm lè li te nan lekòl biblik la. Men byen dousman, li tounen vin jwenn Bondye ankò. “M vin konprann ke yon Bondye ki tap pèmèt pwòp Pitit Gason li mouri pou peche m te gran ase pou l gide mwen nan lavi pa mwen.” Li te prèske sèten ke Bondye te egziste, men li te priye, “Bondye, montre m yon siy, tanpri.”

E Bondye te fè sa. Bondye te vin kote Abraram nan yon rèv e te di l konsa, “M se Bondye ou. M vle pou w renmen m. M vle ou sèvi m kòm pastè.” Tout dout Abraram yo disparèt. Li te reponn an premye e te al preche nan ti bouk kote li te soti a, e aprè sa li ale nan yon lòt ti vil kote moun te pale menm lang avèk li.

Men Bondye te vle pou l ale nan gwo vil Iderabad la. Abraram te yon nonm andeyò, yon moun ki te pale tankou moun andeyò, ki te gen stil moun andeyò. Moun nan gwo vil la te konn fawouche li. Abraram te di konsa, “Nan vil kote m soti a, nou te gen tan pou nou pale ak moun, pou nou al wè moun. Nou parèt kay moun lè nou vle. Men nan gwo vil sa, si m rive kay yon moun san se pa yo menm ki envite mwen, yo twò okipe pou yo resevwa m. Yo pa kontan. Yo panse m rete twòp, m pale twò dousman.” Men se nan vil sa, nan vil Iderabad, ke Bondye te vle li rete. Se konsa li rete.

Abraram di konsa, “M te vin aprann pale tankou moun nan vil la, m te vin konprann jan yo viv.” Jodia Pastè Abraram gen yon legliz ki gen 100 moun. Li di konsa, “M sezi ki jan Bondye ka sèvi ak yon ti gason Endou k ap chache li. M kwè ke nan 6 an sèlman, Bondye pèmèt mwen sèvi plis ke 1.000 moun nan legliz sa. M renmen Bondye, e m sitèlman kontan ke li kite m sèvi li.”

• Ki jan Abraram ap demoutre amou li pou Bondye nan sèvi lòt moun?

• Ki jan ou fè konnen, daprè istwa sa, ke sèvi e renmen Bondye pa toujou fasil?

Page 312: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

307KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

RenMen BOnDYe! SèVI YOnn LòT Seksyon 8Leson 7

Konsèy pou Pwofesè: esplike timoun yo ki jan anseye klas sa ede ou grandi nan amou ou pou Bondye. Petèt ou priye plis kounyeya oubyen ou vn plis konprann jan Bondye renmen moun.

3. Mennen Vi w ak Renmen e ak SèvisObjektif: Timoun yo planifye pou yo sèvi lòt moun.

Semènn sa m gen yon travay byen sekrè pou nou chak fè. M vle nou chache 10 moun ke ou ka sèvi avan nou reyini ankò lòt semènn. Men ou pa gendwa di okenn moun poukisa w ap sèvi yo. Sèvis ou gendwa se bagay byen senp. Ou gendwa ede yon moun charye dlo. Ou gendwa ede yon moun ki tonbe leve. Ou gendwa ramase fatra yon lòt moun jete. Lòt semènn nou pral kòmanse klas nou e nou tout pral rakonte m ki jan nou te sèvi moun nan semènn nan.

Yon lòt opsyon

Bay chak timoun yon fèy papye ak kreyon desen. Si w gen lòt dekorasyon pou papye yo, mete yo deyò pou timoun yo. esplike timoun yo ke yo dwe fè yon bèl kat. Yo dwe ekri “Mwen vle sèvi ou” nan kat la. Yo ka pote kat la avèk yo tout semènn nan. Lè yo gen okazyon pou yo ede yon moun, yo dwe rann sèvis la. Lèfini, yo ka bay moun yo te sèvi a kat yo fè a. Lòt semènn, yo ka rakonte ki jan yo te sèvi moun.

Fen opsyon

Fèmen ak lapriyè. Priye pou elèv yo e priye pou Pastè Abraram tou. Li se yon moun tout bon vre ki pran lavi li pou l sèvi lòt moun, pou l montre amou li pou Jezi.

Page 313: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

308

Renmen PadonnenSeksyon 8 • Leson 8Konsantre sou fòmasyon karaktè

Tèm: Jezi renmen nou ase pou l padonnen move bagay ke nou fè.

Jodia timoun yo aprann ke Jezi ka ede yo padonnen, menm jan li te ede etyèn padonnen.

Jodia timoun yo deside kòmanse padonnen moun ki fè yo kèk mal.

MATERYÈL KE W AP BEZWENYon lòt opsyon: • Papye • Kreyon • Poubèl

Yon nòt pou ou menm, Pwofesè:Padonnen moun se yon bagay ki gendwa difisil anpil si sa moun nan fè ou mal anpil. nan leson sa, w ap di timoun yo konsa: Padonnen moun pa vle di ke ou fè kòm si moun nan pa fè w anyen. Sa pa vle di ke ou vle rete zanmi ak moun nan ki fè ou mal. Padon pa vle di ke ou asèpte sa moun nan te fè ou. Padon vle di ke ou fè Jezi konfyans ase pou w pa chache vanje ou sou moun nan. Ou fè Jezi konfyans, e ou pa p kite moun nan ki fè w mal la kontwole lavi ou nan yon fason negatif. Lè ou padonnen, rayisans ak vanjans kòmanse kite ou. Timoun ap vin pi an sante, fizikman e mantalman. Timoun ki renmen Jezi dwe swiv egzanp li. Jezi te padonnen peche yo. Kounyeya, ak èd Sentespri a, timoun yo ka kòmanse padonnen mal ke moun fè yo menm tou.

Ou pa bezwen mete nan tèt ou ke timoun yo ap ka bay repons kounyeya menm. Li difisil anpil pou nou padonnen. Petèt semènn sa, se plante w ap plante ide padon sèlman. Jezi ap ede timoun yo padonnen lòt moun lè lè a rive pou sa.

Page 314: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

309KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

RenMen PADOnnen Seksyon 8Leson 8

LÈ POU LESON AN1. Prezante Renmen ak Padon

Objektif: Jezi ede etyèn padonnen menm lè li te nan move sitiyasyon. Travay 6.8-7.59

Konsèy pou Pwofesè: Mete w pre pou w pale ak timoun yo sou yon egzanp semènn sa de lè yon moun te sèvi ou, oubyen lè ou menm ou te sèvi yon moun paske w renmen Jezi. Kite timoun yo pale sou ki jan yo te sèvi moun nan semènn ki sot pase a.Jodia n ap pale sou ki jan pou nou padonnen moun ki ofanse nou. Nou ka aprann fè sa paske Jezi renmen nou ase pou l padonnen bagay mal ke nou menm nou fè li. Sentespri li ban nou fòs ak kouraj pou nou fè sa. Istwa nou jodia ap montre nou ki jan yon nonm te sitèlman renmen Jezi ke li te prèt pou l padonnen moun ki deside fè l mal.

Li istwa a, oubyen pa li nan mo pa ou.

Istwa sa a te rive kèk ane aprè Jezi te retounen nan syèl la. Disip Jezi tap pale tout moun yo rankontre de li. Gen moun ki te asèpte bòn nouvèl la, epi gen moun ki pa t kwè menm tou. Gen moun ki tande bòn nouvèl ke Jezi ka lave peche yo epi yo fache anpil.

Etyèn te renmen Jezi. Bondye te ba li pouvwa pou l fè mirak. Li te pale tout moun de Jezi. Menm lè moun te opoze li, Etyèn te kontinye pale tout moun de Jezi paske li te konnen pouvwa ke amou Jezi a genyen. Li pa t ka sispann pale de Jezi. Men, sa te fè moun yo pi fache toujou.

Foul moun fache a te vin konvenk kèk moun vin bay manti sou Etyèn. Yo di ke Etyèn te di anpil vye koze sou Bondye. Yo arete Etyèn e yo mennen l devan tribinal relijye Jwif yo. Yo bay manti ak plis manti ankò sou li. Aprè sa, yon bagay etonan vin pase. Lè moun yo gade Etyèn, yo wè figi l tap klere, tankou figi yon zanj.

Li te pale ak tribinal la. Li te bay yon diskou ak anpil konviksyon. Chak mo ke Etyèn te di te verite, men manm tribinal la di yo te fin tande sa l tap di a. Lè sa, Etyèn gade nan syèl la. La, li wè Jezi kanpe bò kote Bondye. Li di konsa, “Gade, m wè syèl la ouvri, e Jezi kanpe sou bò dwat Bondye.”

Lè sa, lèdmi li yo mete men sou zòrèy yo e yo tonbe ap rele byen fò. Yo mete men sou Etyèn e yo trennen l deyò vil la. Yon moun tire yon wòch sou li. Lòt moun leve wòch, yo tire tou. Gen nan wòch yo ki frape Etyèn. Li te gendwa blese anpil. Li te konnen ke l tap pral mouri.

Avan li te mouri, Etyèn priye e li mande Jezi padonnen moun ki tap tire wòch yo. Etyèn di konsa, “Jezi, pa kenbe peche sa kont moun sa yo.”

Page 315: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

310 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

RenMen PADOnnenSeksyon 8 Leson 8

2. Eksplore Amou ak PadonObjektif: Timoun yo ap fè yon aktivite pou yo deklare amou e padon Bondye pou yo.

Mande chak timoun fè yon ti X atè a bò pye yo. epi di yo ke ou pral di menm verite a 10 fwa. Verite a ke ou pral di a se “Jezi renmen ou e li padonnen ou.” Chak fwa ou di fraz la, di l yon fason diferan. Di l fò, epi di l ba. Pandan ou di l plizyè fwa, fè sèten ke ou di l yon fason ki eksprime chak timoun ke se yon verite w ap ba yo.

Aprè sa mande timoun yo gade ti X ke yo fè a, epi sonje peche ke yo fè. Raple yo ke yon peche se yon bagay ke yo te di oubyen fè oubyen panse ki pa onore Bondye. Yo gendwa panse kèk bagay tankou, “Fè manti,” oswa “Batay,” oswa, “Volè.” Di yo ke si yo renmen Jezi e yo mande Jezi padonnen yo, li gentan padonnen chak peche ke yo fè.

Yon lòt opsyon:

Bay chak timoun yon fèy papye. Mande chak moun fè yon X nan mitan papye a. Fè yo timoun konplete egzèsis ke nou sot dekri a, men nan sa, timoun yo pral ekri peche ke yo komèt la. Yo gendwa ekri kèk bagay tankou, “Fè manti,” oswa “Batay,” oswa, “Volè.” Le yo fin ekri, di yo ke si yo renmen Jezi e yo mande Jezi padonnen yo, l ap padonnen tout peche yo. Lèfini, di yo pou yo chire papye yo ti moso e mete yo nan poubèl la.

Fen opsyon

Jezi renmen ou ase pou l padonnen peche ou. Li ka ede ou padonnen lòt moun tou ki fè peche kont ou menm. M ap di kèk bagay ke moun konn fè pou yo fè timoun mal. Aprè chak sitiyasyon, tout moun di ansanm, “Jezi ka ede timoun sa padonnen lòt moun.”

Yon manman siye yon kontra pou fè pitit fi li ale travay nan yon magazen. Manman an te pwomèt tifi a ke li tap retounen vin wè ke mèt magazen an pran swen tifi a e ke li kontan nan travay li. Sa gen plis ke 1 an, e manman an pa janm retounen.

Timoun yo ap di, “Jezi ka ede timoun sa padonnen lòt moun.”

Manman yon ti gason ap mouri ak SIDA, e yo voye ti gason an al abite nan yon pansyon pou timoun moun ki gen SIDA. Lè li deyò pansyon an, moun rele l vye non e di l anpil betiz, yo pa vle mache bò kote l menm.

Timoun yo ap di, “Jezi ka ede timoun sa padonnen lòt moun.”

Yo mesye nan yon vilaj pran yon tifi voye l atè a byen fò. Tifi a frape, e mesye a fè l santi l sal e pou kont li.

Timoun yo ap di, “Jezi ka ede timoun sa padonnen lòt moun.”

Page 316: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

311KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

RenMen PADOnnen Seksyon 8Leson 8

Yon nonm di yon ti gason konsa ke si ti gason an vini nan gran vil la avè l, mesye a ap pran swen manman ti gason an e pran swen li. Okontrè, li take ti gason an nan yon chanm chak swa e li fè l travay chak jou. Li pa janm voye 5 kòb pou manman ti gason an. Manman ti gason an mouri avan ti gason an ka janm retounen al jwenn manman li.

Timoun yo ap di, “Jezi ka ede timoun sa padonnen lòt moun.”

Konsèy pou Pwofesè: Kounyeya fè egzèsis sa pèsonèl pou timoun yo. Fè yo mete men nan kè yo epi repete, “Jezi ka ede timoun sa padonnen.” Fè yo mete lòt men yo anlè premye men an pou sele pwomès la, e pare yo pou Pati 3.

3. Mennen Vi w ak Amou e ak PadonObjektif: Timoun yo ap mande Jezi ede yo kòmanse padonnen yon moun ki fè yo mal.

M sispèk ke gen nan nou ki panse ak yon moun ke nou bezwen padonnen. M ap di w kèk bagay enpòtan sou padon. M ap di yo chak 2 fwa. Yo enpòtan anpil. Kouten byen. Kon m fini, n ap gen 2 ti moman pou nou reflechi. Si ou renmen Jezi e ou konnen ke li te padonnen ou, ou gendwa vle padonnen yon moun ki te fè ou kèk mal. Ou ka priye Jezi e mande li ede ou padonnen moun ki te fè w mal la. Oubyen, si ou pa ankò prè, ou gendwa fè yon ti chita pou w fè silans ak je ou fèmen pou kèk ti moman.

Men kèk bagay ke w bezwen konnen sou padonnen moun. Sonje pou w di yo chak 2 fwa.

Lè w padonnen yon moun, sa pa vle di ke ou fè kòm si moun nan pa t fè ou anyen. Li te fè w yon move bagay vre.

Lè ou padonnen yon moun, ou pa oblije retounen bon zanmi ak moun nan.

Konsèy pou Pwofesè: Pafwa gen timoun ki oblije rete nan yon relasyon ak yon moun ki fè yo yon move bagay paske moun nan se fanmi yo.Lè ou padonnen yon moun, sa pa vle di ke ou dakò ak sa moun nan te fè ou. Non, se yon move bagay li te fè.

Lè ou padonnen yon moun, sa vle di ke ou pa p chache vanje ou sou moun nan. Bondye gendwa pini moun nan, men pinisyon an se responsabilite Bondye, pa ou menm.

Lè ou padonnen yon moun, prizon rayisans ak kòlè kite kè ou ak lespri ou. W ap vin pi stab nan lespri ou. Ou gendwa vin pi an sante tou.

Page 317: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

312 KOnSAnTRe SOu FòMASYOn KARAKTè

RenMen PADOnnenSeksyon 8 Leson 8

Jezi ka ede ou padonnen, men padon se pa yon bagay ki vini nan yon enstan. Pafwa li difisil anpil pou moun padonnen. Jezi ka ba ou fòs ak kouraj si ou mande li ede ou.

Pafwa lè ou mande Jezi ede ou padonnen, se kòmanse w ap kòmanse fè wout pou w padonnen yon moun. Ou kòmanse e ou padonnen moun nan tou piti, e chak fwa ou mande Jezi ede ou padonnen moun nan, ou padonnen yon ti jan plis ankò. Ou lage plis kòlè ak plis lapenn.

Yon jou w ap leve, w ap konnen ke ak èd Jezi, ou konplètman padonnen moun ki fè w mal la.

Kounyeya bay timoun yo kèk moman pou yo priye nan kè yo. Sa se yon leson ki difisil anpil. Si ou gen tan, chante kèk ti kè sou Jezi. Priye ke elèv yo ap kite klas la ak kè kontan, e y ap detèminte pou yo padonnen yon moun ki fè yo mal.

Page 318: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

313

Atik Siplemantè

Atachman Sekirite: Ki Jan Ou Ka Ede Timoun Ki Gen PwoblèmBarbara Rueggers

Aprè ou vin konnen lavi timoun ke ou konnen yo e ou wè yo gen pwoblèm atachman ak moun, ki jan pou w ede yo chanje? wout gerizon ak retablisman long anpil pou timoun ki gen pwoblèm atachman.

Ou pral oblije deside chak jou ke ou renmen yo, kèlkeswa sa k ap rive. Renmen yon moun se yon desizyon, se pa yon emosyon. Figi ou sipoze montre renmen ki pa gen kondisyon, e pawòl ou sipoze eksprime sa.

Pwoblèm Ou Gendwa Genyen Gen anpil pwoblèm lè moun ap travay ak timoun ki gen pwoblèm atachman, paske timoun sa yo pa gen kapasite pou yo fè moun konfyans menm ankò. Lòt eksperyans ke yo fè montre yo ke granmoun pa fyab. Men kèk pwoblèm ou gendwa rankontre.

Timoun ap vle se yo menm ki chèf. Poutèt abi ke timoun sa gendwa sibi, yo pè bay lòt moun gidon lavi yo. Si gen granmoun ki pran kontwòl lavi yon timoun, yo gendwa fache anpil e yo dezobeyi. Ou pa bezwen mete nan tèt ou ke fache a se pou ou. Piga ou fache ou menm nonpli. Bay timoun nan tan pou l reflechi epi pou l obeyi. Asire yo ke w ap kontinye renmen yo menm lè ou pa renmen konpòtman yo. Lè w gen bon limit, sa ede ak pwoblèm kontwòl sa yo.

Timoun gendwa mal-alèz pou moun rete pre yo oubyen manyen yo. Gen anpil timoun ki pa konnen si sa bon pou lòt moun manyen yo. nan eksperyans timoun sa yo, sa pa t toujou yon bon bagay. Timoun sa yo gendwa ezite ant vle moun manyen yo e pa vle moun manyen yo. Timoun ki sibi abi konn pè lè moun manyen yo e yo oblije aprann ke se pa yon move bagay. Yon fason fasil pou w montre timoun sa se manyen yo ak ti jwèt tankou bat bravo, desinen ansanm, ekri sou men yonn lòt, etc. Pafwa yon ti poupe ka ede timoun nan aprann sa tou.

Pwoblèm ijèn ak rad. Gen timoun k ap evite benyen, bwose dan oubyen lave rad yo paske yo santi yo pa merite moun vin bò kote yo, oubyen paske yo vle moun evite yo tou. Men kote li nesesè pou w gen règleman konsènan ijèn. Si sa pa ede pwoblèm nan, eseye fè ti blag ak timoun nan sou ijèn li.

Vòlè ak bay manti. Li enpòtan pou w pa fè sa tounen yon gwo koze, men timoun ki vòlè

Page 319: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

314 ATIK SIPLeMAnTè

ATACHMAn SeKIRITe: KI JAn Ou KA eDe TIMOun KI Gen PwOBLèM

yon bagay sipoze remèt oubyen peye pou sa yo te pran an. Si ou kenbe yon timoun nan yon manti, li sipoze bay verite a epi mande padon pou manti ke l te bay la.

Li bezwen aktivite. Gen anpil timoun ki gen pwoblèm atachman ki gen pwoblèm atansyon tou. Li bon pou timoun sa yo gen anpil aktivite pou yo patisipe. Yo bezwen tan pou yo jwe deyò, kouri, vole, sote kòd, jwe boul, etc. Si yo oblije rete anndan, li bon pou yo jwe ak jwèt ki aktif, tankou blòk. Li pi bon pou yo si yo pa rete nan òdinatè ak televizyon twòp – kèk fwa pa semènn sèlman, e pou yon ti tan kout chak fwa.

Pran responsabilite. Anpil fwa timoun sa yo blame lòt moun pou bagay ki rive yo, e yo wè tèt pa yo kòm viktim. Timoun sa yo bezwen aprann pran responsabilite san se pa moun ki toujou ap di yo sa.

Gen anpil pwoblèm nan lavi timoun konsa, men kòmanse adrese kèk nan yo, e rete konstan nan sa. Se konsa w ap ka ede timoun nan.

Mete Bon Limit Limit bay timoun, ni granmoun, sekirite. Gen limit natirèl ki gide nou nan lavi nou, limit tankou jou e nwit, jou travay ak jou konje. Yon baryè yon kote ap montre yon timoun ki kote li pa gendwa pase. Sa gendwa anpeche yon timoun kouri antre nan lari a. Limit pou timoun montre yo ki kote yo ka ale, ki jan yo gendwa aji e ki jan yo pa gendwa aji tou. Limit konsa pote òganizasyon nan lavi timoun nan.

Tout timoun bezwen limit, men sa gendwa pi enpòtan pou timoun ki gen pwoblèm atachman, pou yo ka aprann geri. Lè w ap mete limit pou timoun, l ap nesesè pou granmoun obzève limit sa yo tou pou yo ka efikas nan ede timoun nan geri.

Ki Jan pou w Mete Limit? Ki Jan de Limit ap Pi Bon?

Yon plan pou chak jou ap mete limit pou timoun. Lè w gen yon plan tankou yon lè pou w manje chak jou, lè pou yo kouche, lè pou yo fè devwa, lè pou yo jwe, sa ede timoun nan konprann jan lavi li òganize. Si ou pa ankò fè sa, fè yon orè de chak jou, e mete li yon kote pou tout moun wè li.

Règleman pou timoun yo viv ansanm ak lòt moun, epi mete konsekans pou dezòd. Pa mete twòp règleman.

Respekte yonn lòt se yon règleman e se yon limit tou. Limit sa bon non sèlman ant timoun ak granmoun, men pou granmoun anvè timoun tou. Yo toulède dwe montre yonn lòt respè.

Travay se yon bon fason pou timoun aprann. Lè moun fè travay ansanm, ou ka montre timoun nan jan pou l fè travay la byen. Ou dwe ba li yon lè, yon limit, pou l fini travay la, e yon chans pou l santi li itil e ke li fè travay la byen.

Jwe jwèt ansanm ede timoun respekte limit. Li enposib pou moun jwe yon jwèt san règleman ak limit.

Page 320: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

315ATIK SIPLeMAnTè

ATACHMAn SeKIRITe: KI JAn Ou KA eDe TIMOun KI Gen PwOBLèM

Gerizon Emosyon

Tout moun gen emosyon. Timoun ak granmoun gendwa kontan, oubyen tris, fache, nève oubyen pè. emosyon ede tout moun konn jan pou yo navige pwoblèm ki rive nan lavi yo. Granmoun ak timoun pran desizyon baze sou emosyon yo. Pa egzanp, si ou nan lari aswè e li fè nwa, ou gendwa santi ou pè. Ou prese pou w soti la byen vit. Timoun ak granmoun ki an sante koute emosyon yo. Anpil timoun ki gen pwoblèm atachman pa janm aprann pou yo kwè nan emosyon yo.

Pifò moun pa sonje anyen ki rive yo avan laj de 2 ou 4 an. Granmoun te konn panse ke nenpòt sa ki te rive avan sa pa t enpòtan paske li te bliye, e ke li pa t gen rapò ak sante mantal ni emosyonèl de lavi timoun nan. Men, sa se pa vre. w ap wè enpòtans ane jennès sa yo lè w ap travay ak timoun ki gen pwoblèm atachman. Yo sonje bagay ki te twomatize yo, bagay ki te rive yo lè yo te jenn anpil, sitou si sa ki rive yo te gen emosyon fò tankou doulè, krent oubyen kòlè. Pa egzanp, si yo te sibi abi, gen yon pati nan yo menm ki sonje abi a e ki anpeche yo devlope bon emosyon. Yo gendwa pa sonje tout detay sa ki te rive yo, men y ap sonje emosyon ke yo te santi nan evènman an.

Gen timoun ki vin kole nan emosyon yo nan moman ke abi a te rive yo. Yon tifi 10 an, pa egzanp, gendwa toujou aji tankou yon timoun ki gen 2 an. emosyon li yo fikse nan moman ke yon moun te vyole li. Lòt moun pa ka idantifye menm ak ki jan tifi a santi li. Yo bezwen grandi emosyonèlman.

Aktivite Ki Ede Timoun Nan

ede yon timoun idantifye emosyon li. Mande l ki jan li santi l: fache, tris, pè, etc. Kite timoun nan konnen ke li bon pou l idantifye e santi emosyon sa yo. emosyon se yon bon bagay. emosyon itil nou anpil.

Si yon timoun fè kòlè, li fache anpil, piga ou fache ou menm. Kite sa pase epi pale ak timoun nan sou sa ki te pase. Di l ke li mèt fache, men gen bon, gen move fason pou l aji lè l fache. Kèk move fason pou l aji lè l fache se detwi bagay, kase bagay, rele nan tèt moun. Bon fason pou l aji lè l fache se pale sou sa ki fenk rive e chache yon moun ede li.

Kite timoun nan travay kòlè li. Pafwa lè l ap fè kèk travay oubyen yon aktivite ki mande anpil efò ap ede li jere kòlè li.

Rebati konfyans pitit la e louwe li pou moun ke li ye a, e pou bagay ke li fè byen. Toujou onèt nan lwanj ou.

Selebre fèt li e fè bèl foto pou w ka sonje sa. Selebre lòt reyisit nan lavi li tou.

Si nou mete aksyon sa yo an pratik, nou pral wè chanjman nan lavi timoun nan. Men ou mèt kwè ke sa ap pran anpil tan – anpil anpil – li ka pran ane menm – sa depann de kisa timoun nan soufri e ki laj li te genyen lè l te sibi tout sa.

nou pa oblije fè sa pou kont nou. nou ka konte sou papa nou ki nan syè la ki, nan amou li, vle wè chanjman nan lavi timoun sa yo. Bondye gen bèl plan pou lavi chak timoun.

Page 321: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

316

Ijèn: Men ouSeksyon 8 • Leson 9Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: Lave men nou ede pwoteje lòt moun e mwen menm de maladi.

Jodia timoun yo aprann kilè e ki jan pou yo lave men yo.

Jodia timoun yo deside toujou lave men yo byen.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • 2 gode klè, yonn pwòp; yonn sal • Yo po ak dlo ladan l

Yon lòt opsyon: • Yon chodyè dlo • Savon • Yon sèvyèt • Papye • Kreyon desen • Si w vle: Sizo • Si w vle: Losyon pou men

Yon nòt pou ou menm, Pwofesè:Mwa sa ou pral anseye 4 leson sou ijèn pèsonèl, ki jan pou moun kenbe kò yo pwòp e an sante. wa p pale sou ki jan pou w lave men, e ki jan pou yo pran swen po yo, cheve yo ak dan yo. Timoun bezwen motive pou yo aprann e mete an pratik abitid sa yo. Bon abitid sa yo ap kenbe tout moun an bon sante.

Kò nou se pou Bondye, e Sentespri a viv nan nou menm. nou demontre Bondye amou e respè lè nou pran swen kò nou e kenbe yo pwòp. Si nou pwòp e nou pran swen kò nou, sa ka anpeche nou gen kèk maladi. Ijèn pèsonèl nou ka ede nou pi konfidan e pi kontan. nou pran swen lòt moun tou lè nou gen bon abitid ki pa pase jèm ak mikwòb bay lòt moun.

Kite timoun yo patisipe, jwe jwèt, e fè aktivite ki pou ede timoun angaje nan seksyon sa. Anpil pratik e si w raple timoun yo menm aprè klas, sa ka ede yo devlope bon abitid ki pou kenbe yo an sante. An prensip, li tap bon pou timoun yo gen konfyans pou yo anseye lòt moun sa yo aprann tou.

Page 322: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

317KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: Men Ou Seksyon 8Leson 9

Premye bagay n ap pale a se lave men. Chak ane plis ke 3.5 milyon timoun ki poko gen 5 an mouri paske yo gen dyare ak enfeksyon nan poumon yo. Si moun lave men ak savon, sitou nan kèk moman enpòtan, tankou aprè yo fè twalèt e avan yo manyen manje – sa ka redwi ensidans dyare plis ke 40% (selon unICeF). Lè timoun mete abitid sa an pratik, yo ka sove lavi yo.

Ou gendwa panse ke leson sa twò senp pou timoun yo, men se pa vre. Gen timoun ki poko janm aprann jan pou yo lave men yo byen.

LÈ POU LESON AN1. Prezante Lave Men

Objektif: Timoun aprann jan pou yo lave men yo byen pou yo pwoteje tèt pa yo e lòt moun kont maladi.

Pale bagay sa yo ak elèv yo.

Nan semènn k ap vini yo, nou pral pale sou ki jan nou ka kenbe kò nou pwòp e an sante. Sa se nou rele ijèn pèsonèl. Gen anpil bon rezon ki fè li bon pou nou kenbe kò nou pwòp. Men sa Bib la di de kò nou:

Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k’ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.

Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

1 Korentyen 6.19-20

esplike ke vèsè sa vle di ke kò nou pou Bondye e ke li te voye Sentespri a viv nan nou menm. nou demontre Bondye amou e respè nou lè nou kenbe kò nou pwòp e an sante.

Pandan leson sa, nou pral konsantre sou jan nou respekte Bondye lè nou kenbe kò nou pwòp. Fè demonstrasyon sa pou elèv yo nan klas la.

w ap bezwen 2 vè dlo. Yonn sipoze pwòp; lòt la sipoze sal. e w ap bezwen yon veso ki gen yon gode dlo ladan l.

Pati 1: Montre klas la gode pwòp la.

Sa se gode mwen. M vle ou pran swen l pou mwen. Talè, m pral mete dlo ladan l.

Page 323: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

318 KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: Men OuSeksyon 8 Leson 9

Bay yon timoun kenbe vè a pou ou. Lèfini, montre klas la gode sal la epi mande yo,

• Ki jan ou panse m tap santi m, si m te retounen vin chache gode m nan men timoun sa, epi m jwenn li tou sal konsa?

Kite timoun yo reponn.

Di timoun yo ke vè yo se tankou kò nou ke Bondye ban nou. Lè nou pa pran swen yo, se tankou nou remèt Bondye yon vè ki sal olye de sa ki pwòp ke li te ban nou an. Mande timoun yo ki jan yo panse Bondye santi li lè nou pa pran swen kò nou.

Pati 2: Di timoun yo ke dlo a reprezante Sentespri a. Fè yon timoun vide yon ti dlo nan chak vè. Kenbe 2 gode yo anlè epi mande klas la:

• Nan ki vè èske ou wè dlo a pi klè?

nan vè pwòp la! Di timoun yo ke li pi fasil pou moun wè Bondye k ap viv nan nou lè nou pran swen kò nou. Lòt moun ap konnen ke nou respekte tèt nou lè nou pran swen kò nou ke Bondye ban nou an.

Konsèy pou Pwofesè a: Pran prekosyon! Verifye ke timoun yo pa konfonn ijèn/kenbe kò yo pwòp ak bèlte. Ou ka fè demonstrasyon an ak 2 vè ki diferan – ki gen diferan fòm ak gwosè – pou w demontre ke Bondye vle nou pran swen nenpòt kò li ban nou. Bondye renmen tout fòm kò.Li 1 Korentyen 6.19-20 ankò.

Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k’ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.

Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

1 Korentyen 6.19-20

Nou pran swen kò nou pou nou onore Bondye.

• Poukisa nou kenbe kò nou pwòp?

nan pati leson an sa, nou dwe konsantre sou ki jan kenbe kò nou pwòp ka anpeche nou menm ak lòt moun malad.

• Kisa ki rele mikwòb oubyen jèm?

Bay timoun yo enfòmasyon sa si yo pa ba li nan repons yo:Mikwòb sitèlman piti ke

Page 324: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

319KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: Men Ou Seksyon 8Leson 9

nou pa ka wè yo ak je nou sèlman. Yo sitèlman piti ki plizyè milyon nan yo ka rete nan tèt yon epeng.

Mikwòb tout kote. Pa egzanp, gen mikwòb atè a, genyen sou tab la, nan lari a, kay moun, sou objè ke nou manyen.

Gen mikwòb ki bon pou nou e ke moun itilize pou yo fè medikaman.

Gen mikwòb ki pa bon e ki fè nou malad.

Gen mikwòb nan watè, nan fatra, nan manje ki pa fin kwit, nan vyann ki gate, nan saliv, nan rim, e nan dlo ki pa pwòp. Se mikwòb sa yo ki fè moun malad.

Mikwòb rim soti nan moun lè yo touse oubyen etènye. Swiye yo ak yon ti papye oubyen mouchwa pou yo pa tonbe sou lòt moun. Lè ou touse, kouvri bouch ou ak koud bra ou.

Mikwòb rete nan men moun fasil. Mikwòb sa yo soti nan men moun lè yo manyen bouch yo, je yo oubyen nen yo. Lè jèm sa yo antre kò, yo ka fè ou malad – sitou ak grip, oubyen dyare.

Mikwòb ki nan men ou ka soti nan sa ou manyen e fè lòt moun malad.

Lè ou kenbe men ou pwòp, sa ka anpeche tout moun malad.

• Kilè ou sipoze lavi men ou?

Fè sèten ke elèv yo di bagay sa yo:

Avan ou manje, avan e aprè ou fè manje.

Aprè ou fè twalèt, fè pipi (oubyen chanje kouchèt yon bebe).

Aprè ou jwe deyò a.

Aprè ou manyen okenn bèt.

Men yon moun gendwa parèt pwòp, men yo toujou gen mikwòb. Sonje, nou pa ka wè mikwòb.

Si w pa gen dlo, savon ak yon sèvyèt pou demonstrasyon sa, fè kòm si w ap lave men ou e montre timoun yo. Pale pandan wa p fè demonstrasyon an.

Yon lòt opsyon

w ap bezwen dlo, savon ak yon sèvyèt pou demonstrasyon sa. Pale pandan wa p fè demonstrasyon an.

Fen opsyon

Page 325: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

320 KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: Men OuSeksyon 8 Leson 9

Kounyeya m pral montre nou yon bagay ke nou tout konnen. Oubyen petèt ou gendwa pa konnen. M pral montre nou ki jan pou nou lave men nou.

M pral mete yon ti kal dlo nan men m pou m mouye yo. Kounyeya m mete savon e m ap fwote men m pou 20 segonn. Si ou chante “Tout Bagay Va Byen”, sa ap dire apepre 20 segonn, epi ou mèt rense.

Li enpòtan pou w sèvi ak savon paske savon kase jèm ak mikwòb pou yo pa ka kole nan men ou ankò.

Gade ki jan m ap lave nan mitan dwat mwen, pous mwen, pla men m, do men m, ak anba zong mwen. Anba zong moun kenbe anpil mikwòb. Nou sipoze kenbe zong nou kout e pwòp tout tan, e pa manje zong.

Si m te nan yon basen, m ap tap rense men m la. Fo w sèvi ak dlo pwòp pou w rense men ou. Lèfini, m ap seche men m ak yon sèvyèt pwòp.

2. Eksplore Lave MenObjektif: Timoun aprann lave men yo byen.

Fè tout klas la fè kòm si y ap lave men yo. Si ou pa gen savon, fè kòm si nou gen savon tou. Oubyen, mete yon ti gout losyon nan men chak timoun epi yo ka fè kòm si se savon. Dirije klas la nan lave men yo (jan ou te montre yo nan Pati 1 an). Di yo kisa pou yo fè aprè. Chante yon ti kè ki dire apepre 20 segonn avè yo, pandan y ap fè kòm si y ap lave men yo. Fè son dlo k ap vide, pandan y ap fè kòm si y ap rense men yo tou. Di yo ke yo fè sa byen e ankouraje yo imajine jan men yo pwòp e santi bon.

Yon lòt opsyon

Bay timoun yo papye ak kreyon. Fè timoun yo desinen 2 men – yonn sou chak bò papye a. Yo ka kolore men yo, yo ka desinen zong, bag nan dwat, si yo vle. Di yo pou yo fè yonn nan men yo parèt sal, e men nan lòt bò fèy la parèt pwòp.

Fè timoun yo sèvi ak sa yo desinen an pou aktivite k ap vini an. Si men yo sal, yo sipoze montre bò papye ak men sal la. Si men yo pwòp, yo dwe montre bò ki gen men pwòp la.

Fen opsyon

M pral di yon bagay ke m fè oubyen ke m pral fè. M vle nou deside si men m pwòp oubyen si yo sal. Si sa m fè rann men m pwòp, leve papye nou epi montre m men pwòp la. Si men m tap sal, leve papye ou pou w montre bò sal la.

Lave men m ak dlo sèlman

Netwaye yon ti bebe

Fwote men m pandan 20 segonn ak savon

Page 326: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

321KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: Men Ou Seksyon 8Leson 9

M fin fè twalèt

Men m pa parèt sal

M pral manje kounyeya

M te lave pwent dwat mwen sèlman

3. Mennen Vi w ak Men PwòpObjektif: Timoun reflechi sou poukisa yo sipoze lave men yo byen, e yo deside lave men yo nan moman ke li nesesè.

Revize touswit ankò ak timoun yo a ki moman li nesesè pou yo lave men yo byen. Poze yo kesyon e ede yo reponn si nesesè, pou verifye ke yo konnen kilè yo dwe lave men yo.

Fè timoun yo reflechi sou poukisa li enpòtan pou yo lave men yo. Lèfini, mande yo konbyen nan yo dakò pou yo lave men yo nan moman sa yo. Di yo pou yo fè yon zanmi swiv yon fwa pandan y ap lave men yo pou verifye ke yo fè l byen e swiv tout etap yo.

Fèmen ak yon priyè konsa:

Chè Senyè, nou remèsye ou pou kò nou. Nou vle onore ou e kenbe kò nou an sante e pwòp. Silvouplè ede nou sonje pou nou lave men nou pou nou ka ede tout moun rete an sante. Nou priye w konsa nan non Jezi, amèn.

Page 327: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

322

Ijèn: Po ouSeksyon 8 • Leson 10Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: M ap renmen e onore Bondye lè m pran swen kò mwen.

Jodia timoun yo aprann jan pou yo pran swen po yo.

Jodia timoun yo deside pran swen po yo nan lave kò yo regilyèman.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Okenn

Yon nòt pou ou menm, Pwofesè:nou vle anseye ijèn pèsonèl ak aktivite e enfòmasyon ki enteresan pou timoun yo. eseye angaje timoun yo nan pale sou kò yo, pou w ka enterese yo nan kò yo e nan kenbe kò yo pwòp. Li enpòtan pou timoun kontan e angaje pou yo ka aprann e sèvi ak sa yo aprann. Si yo gen bon ijèn, sa ka ede yo onore Bondye ak kò yo, l ap ede yo rete an sante, e se konsa y ap ka pwoteje sante lòt moun tou.

Timoun ap aprann respekte e pran swen kò yo ak bon ijèn, e pita, sa ka ede timoun reziste sal kò yo ak dwòg oubyen alkowòl. nou pa vle pou timoun santi yo wont si yo gen yon pwoblèm ak ijèn pèsonèl yo. Li enpòtan pou timoun konnen ke tout moun konn sal. Tout moun konn gen jèm ak mikwòb. Tout moun dwe aprann e mete ijèn pèsonèl an pratik.

LÈ POU LESON AN1. Prezante Kenbe Kò w Pwòp

Objektif: Timoun jwe yon jwèt pouyo aprann jan pou yo pran swen po yo.

Kòmanse ak yon aktivite, yon ti chanson. nou mete pawòl yo la pou ou. Si w pa konn kè a, ou ka di mo yo e bat men. Tout elèv yo sipoze fè sa ou di yo fè nan chanson an, e lè ou di “Ou fè yon ti danse,” tout moun ap leve men anlè, e vire, fè yon ti danse ansanm. Kanpe ak tout klas la nan yon wonn.

Page 328: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

323KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: PO Ou Seksyon 8Leson 10

Mete pye dwat anndan, (nan wonn nan) Mete pye dwat deyò, Mete pye dwat anndan E sekwe l tout kote Ou fè yon ti danse, E vire tout kò ou Se konsa dans lan fèt.

Mete pye goch anndan, (nan wonn nan) Mete pye goch deyò, Mete pye goch anndan e sekwe l tout kote Ou fè yon ti danse, e vire tout kò ou Se konsa dans lan fèt.

Kontinye chante e sèvi ak tout pati kò sa yo: Men dwat Men goch Tèt Hanch dwat Hanch goch Tout Kò

Lè ou fini aktivite sa, montre timoun yo ke egzèsis sa amizan. Sa ede nou kenbe kò nou an sante. Tout moun bezwen yon ti egzèsis chak jou. Jodia nou pral pale de ki jan nou ka onore Bondye nan kenbe kò nou pwòp.

• Kisa ki kouvri tout kò moun e ka yonn nan plizyè koulè?

Po moun.

Bay timoun yo enfòmasyon sa yo:

Po moun se pi gwo pati nan kò yo. Si yo detire po yon granmoun, l ap kouvri 6.5 mèt kare, l ap peze 4 kilogram, e li genyen prèske 18 kilomèt de venn san ladan l.

Ou gendwa mezire pou w montre klas la mezi sa yo, pou yo ka wè lajè po yon moun.

Chak 24 è, po yon moun dekale yon kouch de selil ki mouri.

Nan vi nou, nou dekale apepre 40 kilogram de po nou.

Chak 28 jou, po a rejenere tèt pa li konplètman.

Gen kèk kote ke po a pi swa ke lòt kote. Se popyè nou ki pi swa, e se pla men nou ak anba plat pye nou ki gen po ki pi epè.

Po nou gen plizyè travay pou l fè:

Page 329: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

324 KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: PO OuSeksyon 8 Leson 10

•1. Li fòme yon baryè ke dlo pa ka pase, ki bare mikwòb ak tè pou yo pa antre kò nou.

•2. Po nou pèmèt nou santi lè yon moun manyen nou, lè gen yon bagay k ap peze kò nou, lè gen chalè oubyen fredi, epitou lè yon bagay fè nou mal.

•3. Po nou pèmèt nou kontwole tanperati kò nou tou.

Ann pale plis sou ki jan po nou pwoteje nou. Lè ou blese yon fason ki ouvri po ou, san ap kouri monte nan po ou pou l anpeche mikwòb antre nan kò ou. Selil san yo kole ansanm pou yo fòme yon kwout. Si ou retire kwout la avan li fin geri, l ap bay san ankò.

Si yon moun blese anpil, li dwe kouvri l pou l anpeche tè ak zèb antre ladan l. Mande yon granmoun ede ou netwaye kote ou blese a. Si tè ak mikwòb antre ladan l, li gen dwa enfekte.

Ann pale plis sou ki jan po nou kontwole tanperati nou. Kisa ki pase lè w fè spò? Kò nou vin cho. Glann nou vin fè swe, epi swe a ede nou pou nou pa twò cho. Gen ti tou piti nan po nou ki lage swe a. Po anba bra nou, nan mitan janm nou ak nan pye nou ka bay anpil swe. Si ou pa lave swe a, mikwòb ka kòmanse manje ladan l epi grandi, epi sa koz li vin santi anpil, e sa pa bon pou nou.

Se pa moun sèlman ki bezwen kenbe kò yo pwòp. Bèt bezwen kenbe kò yo pwòp tou. Chat, pa egzanp, yo fè sa lè yo niche tout kò yo.

Po nou bay yon lwil, selil ki mouri yo, swe. Tout bagay sa yo fè po nou sal. Li kouvri ak mikwòb tou. Le nou lave kò nou souvan, sa retire swe ki santi a, lwil, po ki mouri ak tè tou. Sa anpeche mikwòb vin twòp, e se konsa ou ka rete fre e pwòp.

Lave figi ou ak kou ou chak maten e chak swa. Bat pou w lave tout kò ou chak jou. Kòmanse lave anlè nan tèt ou, figi ou ak zòrèy ou. Lave rive jous nan zòtèy ou. Fè sèten ke w lave byen tout kote ke mikwòb ak tè renmen rete – anba bra ou, nan mitan janm ou, ak nan pye ou. Epi seche kò ou la tèt o pye.

Fè yon ti poze epi fè timoun yo kanpe pou yo manyen zòtèy yo 10 fwa. Di yo bat pou yo fè sa san yo pa pliye jenou yo. Lèfini kontinye ak enfòmasyon sa ki pale sou pye moun.

Pye nou se yon bèl bagay. Men kèk enfòmasyon enteresan sou pye nou.

Enfòmasyon enteresan: Yon mouch goute manje li ak pye li.

Enfòmasyon enteresan: Yon pengwen papa pwoteje ze li pou apepre 60 jou, li kenbe l nan pye li e li kouvri l ak vant li.

Enfòmasyon enteresan: Yon zong pye pran apepre 6 mwa pou l grande depi anba rive nan pwent.

Enfòmasyon enteresan: Gen yon fanm Etazini ki te fè 21 an li pa t janm koupe zong pye li. Zong sa yo te rive plis ke 15 mèt de longè.

Page 330: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

325KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: PO Ou Seksyon 8Leson 10

Kounyeye men kèk enfòmasyon serye sou pye nou.

Pye nou ki swe, yo pa sèlman santi, men atire mikwòb ki koz yon enfeksyon. Enfeksyon sa fè nan mitan zòtèy nou grate nou, yo dekale, epi yo fè mal. Gen kèk poud oubyen pomad moun ka pase nan pye yo pou sa. Si ou kenbe pye ou pwòp e sèch, ou ka evite gen enfeksyon sa. Lave epi seche byen nan mitan zòtèy ou chak jou.

Koupe zong pye ou dwat pou yo pa grandi antre nan po ou.

E dezyèm po nou – rad nou?

Mete rad ki pwòp. Kilòt, slip ak soutyen rete dirèk nan po nou e yo atire mikwòb, swe ak lòt tach. Mikwòb grandi nan rad ki sal e yo kòmanse santi. Nou dwe lave rad nou ak savon ak dlo.

2. Eksplore Po NouObjektif: Timoun ap jwe yon jwèt ki fè yo sonje pou yo sèvi ak savon ak dlo pou yo retire mikwòb.

esplike ke tout moun pral jwe yon jwèt ki rele “Lago Lave Po w.” Mete elèv yo nan 3 gwoup:

Gwoup 1: nou se Mikwòb. Fè grimas e lonje men nou tankou nou pral pran lòt timoun yo.

Gwoup 2: nou se Savon. Kenbe lè nan bouch nou, fè figi nou won, tankou blad nan kim.

Gwoup 3: nou se Dlo. Fè kòm si n ap naje.

Kounyeya fè tout timoun yo gaye nan tout sal la. Gwoup yo pa sipoze rete ansanm, men tout moun dwe gaye tout kote. esplike ke moun ki se Dlo e moun ki se Savon dwe chache yonn lòt pou yo kenbe men (Dlo ap toujou fè jès tankou l ap naje.) Aprè sa, lè Dlo ak Savon jwenn yonn lòt, y ap kouri ansanm pou yo manyen yon Mikwòb. Lè yo manyen yon Mikwòb, Mikwòb la sipoze ale chita. Mikwòb la pa ka jwe ankò. Dlo ak Savon menm pral chache yon lòt Mikwòb. Si gen yon Mikwòb yo pa ka kenbe, se li ki genyen jwèt la. Fè aktivite sa plizyè fwa, si w gen tan.

Aprè jwèt la fini, fè tout moun chita.

Sa se yon bèl aktivite, men li ban nou yon bèl leson tou. Dlo ak Savon ka retire move Mikwòb nan kò nou. Se konsa kò nou ka rete an sante. Men lè Mikwòb yo genyen, nou tonbe malad. Bondye ban nou bèl kò, e li vle nou pran swen yo anpil.

Page 331: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

326 KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: PO OuSeksyon 8 Leson 10

3. Mennen Vi w e Kenbe Kò w PwòpObjektif: Timoun ap deside kenbe kò yo pwòp.

Li vèsè ke nou te gade semènn pase a 3 fwa. Timoun yo ki sonje l ka repete l ansanm avèk ou. Lèfini, pale sou keson ki swiv vèsè a.

Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k’ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.

Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

1 Korentyen 6.19-20

• Di poukisa nou sipoze pran swen kò nou. Kisa Bib la di nou sou sa?

• Si ou wè kò ou kòm yon tanp kote Sentespri a abite, kisa ou panse ou pral fè? Kisa ou panse ou pap fè tou?

• Vèsè sa yo di nou ke kò nou pa pou nou. Pou ki moun nou ye vre?

• Ki pri Bondye te peye pou nou? Sonje se te yon gwo, gwo pri.

• Ki jan nou ka onore Bondye ak kò nou?

Senyè, nou di ou mèsi ankò pou bèl kò mèvèye sa yo ke ou ban nou, e nou di w mèsi paske ou abite nan nou menm. Ede nou sonje kisa nou aprann de kenbe kò nou pwòp. Ede nou sonje kenbe kò nou pwòp e an sante pou w ka klere nan nou menm. Nou priye w konsa nan non Jezi, amèn.

Page 332: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

327

Ijèn: Dan ak CheveSeksyon 8 • Leson 11Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: M ap renmen e onore Bondye lè m pran swen dan m ak cheve m.

Jodia timoun yo aprann jan pou yo pran swen cheve yo ak dan yo.

Jodia timoun yo deside pran swen dan ak cheve yo chak jou.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Desen bouch ki nan fen leson an

Yon lòt opsyon • Yon bwòs dan • 3 bale pwòp oubyen yon bwa ak papye nan pwent lan • Moso papye chire ki long

LÈ POU LESON AN1. Prezante Kenbe Kò w Pwòp

Objektif: Timoun aprann jan pou yo pran swen dan ak cheve yo.

DAN

Mande klas la kisa yo konnen sou dan moun. Lè yo fin di tout sa yo konnen, di yo enfòmasyon enteresan sa:

Konsèy pou Pwofesè: Fè timoun yo souri e montre ou tout dan yo avan ou ba yo enfòmasyon sa yo. Konplimante bèl souri yo – yo tout diferan e Bondye renmen yo chak.Se dan moun ki pi di nan tout kò yon moun.

Yon ti bebe pa gen okenn dan lè li fèt.

Nou vin gen 20 dan ki soti lè nou gen 6 ou 7 an.

Aprè sa, nou pral gen 32 dan k ap rete jouk nou mouri.

Page 333: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

328 KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: DAn AK CHeVeSeksyon 8 Leson 11

Dan gen plizyè fòm paske yo gen plizyè kalite travay ke yo fè. Dan ki devan yo pi file paske yo bon pou mòde e pou chire. Dan ki nan fon bouch yon moun pi bon pou kraze manje.

Mikwòb ak manje, sitou sik, ka kole nan dan ou epi fè tou nan dan nou, si nou pa bwose dan nou souvan. Lè yon moun gen yon tou nan dan yo, dantis rele sa kari, e yo gendwa fè mal. Si dantis la pa plen tou a, l ap vin pi gwo. Pafwa se rache yo oblije rache dan ki gen tou a paske tou a vin twò gwo.

Mikwòb ki rete nan dan nou ka antre nan jansiv nou e yo ka fè jansiv nou fè mal e vin wouj, e yo ka menm bay san. Sa fè bouch moun santi tou. Si nou pa pran swen jansiv nou, yo ka fè dan nou vin souke epi soti menm.

Enfòmasyon enteresan: Reken gen 3 ranje dan, e si yo pèdi yon dan, yon lòt vin pouse nan plas li. Pou moun, si yo pèdi yon dan lè yo granmoun, yon lòt pa p vin pouse ankò, se sa k fè nou sipoze pran bon swen dan nou. Si nou pran swen yo, y ap rete pou tout lavi nou.

Enfòmasyon enteresan: Kwokodil nan rivyè Nil la ouvri bouch yo byen laj epi gen yon kalite ti zwazo ki vin poze anndan bouch yo. Ti zwazo yo vin manje tout ti kras manje ki rete nan dan kwokodil yo, menm nan mitan dan yo, men nou menm, nou oblije sèvi ak bwòs dan.

Gen 8 kote anndan bouch ou ke ou sipoze netwaye ak yon bwòs dan.

Montre timoun yo imaj dan an. esplike ke dwat ou se bwòs dan an. Fè kòm si w ap bwose dan yo ak dwat ou nan 8 kote ke nou esplike la. Rete kote yo pandan w ap bwose yo ak dwat ou.

Devan dan anlè yo Dèyè dan anlè yo Devan dan anba yo Dèyè dan anba yo Anba dan anlè yo Anlè dan anba yo Jansiv Lang

Kounyeya m pral montre ou tout sa yo ankò pou w ka sonje yo.

Pandan w ap revize tout kote sa yo, di timoun yo pou yo fè kòm si dwat pa yo se yon bwòs dan, men di yo pa mete dwat yo nan bouch yo paske men yo gendwa pa pwòp. Di yo fè kòm si y ap bwose dan sèlman.

Pou w kòmanse, w ap bezwen yon bwòs dan ki bon pou bouch ou, pat dantifris ak dlo pwòp.

Mouye bwòs la pou w ka fè bwòs la swa.

Page 334: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

329KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: DAn AK CHeVe Seksyon 8Leson 11

Mete yon ti kal pat nan bwòs la, gwosè yon ti grenn pwa.

Kòmanse bwose devan dan anlè yo rive jouk nan fon bouch ou. Kenbe bwòs ou sou kote e bwose soti anlè nan jansiv ou rive anba. Kounyeya bwose tout bò dan anlè yo. Kounyeya bwose dèyè dan anlè yo tou.

Bwose devan dan anba yo. Kòmanse bò jansiv ou e monte rive anlè. Kounyeya bwose dèyè dan anba yo menm jan.

Bwose anlè e anba tout dan ou yo.

Pa bliye bwose lang ou pou w retire mikwòb ki fè bouch moun santi.

Men yon ti bagay pou w sonje sou bwose dan: Toujou bwose yo byen dou nan direksyon ke w dan w pouse. Ou pa sipoze pouse jansiv ou monte pi wo.

Bwose dan ou pandan 2 minit. Ou ka chante yon ti kè nan tèt ou pou w ka sonje konbyen tan pou w fè ap bwose dan.

Bwose 2 fwa pa jou – nan maten, aprè ou manje, si posib, e avan ou dòmi aswè.

Si timoun gen fil dantè, ou ka esplike yo sa tou:

Gen yon ti fil spesyal ki rele fil dantè. Fil sa se yon fil moun pase nan mitan chak grenn dan yo pou yo retire tout ti moso manje ki rete kole nan dan yo. Si w sèvi avèk li, fè l byen dou pou w pa blese jansiv ou.

Kounyeya annou aprann pran swen cheve nou.

• Kisa ou konnen de cheve ou?

Lè timoun yo fin di tout sa yo konnen de cheve, ajoute enfòmasyon sa yo:

Cheve fèt ak selil ki mouri. Cheve moun pa janm sispann pouse, men cheve moun pa toujou pouse nan menm vitès – cheve moun ki abite nan zòn kote gen chalè pouse pi vit ke cheve moun ki abite nan rejyon fredi. Cheve pouse pi vit aswè ke lajounen tou. Cheve nan tèt ou gendwa dire kèk ane, men sousi ak plim pòpyè ou ap dire kèk semènn sèlman.

Gen moun ki gen cheve sèk e gen moun ki gen cheve ki gen anpil grès. Lè cheve moun sal, li parèt ke li gen anpil grès ladan l. Lwil sa fè cheve moun kenbe mikwòb plis, li fè tè ak selil mouri rete nan tèt moun nan plis. Sa ka fè cheve moun gen move sant. Lè ou pa penyen oubyen bwose cheve ou, li genwa vin gen anpil difisil pou w penyen tèt ou byen.

Lè cheve moun pwòp e li santi bon, w ap santi w pi fre e pi bèl.

Men 2 pwoblèm yon moun gendwa genyen ak cheve li:

Page 335: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

330 KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: DAn AK CHeVeSeksyon 8 Leson 11

Kap – kap se selil nan po tèt yon moun ki mouri. Se yon pakèt ti ekay blan nan po tèt yon moun ki grate moun nan. Si yon moun gen kap, ou pa ka vin genyen l nan tèt li.

Pou – pou se yon ti bèt tou pitit ki kole nan cheve moun. Yo sitèlman piti ou prèske pa ka wè yo. Yo souse san moun e yo lage ze yo nan cheve moun. Lè pou yo mòde tèt ou pou yo souse san ou, li vin grate anpil. Si tèt ou grate w anpil, ou dwe fè yon granmoun gade tèt ou pou l wè si w pa gen pou.

Gen kèk krèm ak pomad spesyal ki pou touye pou nan tèt moun. Si w gen pou, se pa fot ou. Menm moun ki gen cheve pwòp ka vin gen pou. Pou ka soti byen fasil nan tèt yon moun rive nan yon lòt. Pou pa gen zèl, men yo ka soti oubyen kouri byen vit. Pa kite lòt moun sèvi ak bwòs ni peny ou, ni mete chapo pa w yo nan tèt yo. Se konsa ou ka anpeche yonn lòt gen pou.

Men ki jan pou w pran swen cheve ou:

Bwose oubyen penyen cheve ou chak jou lè w leve.

Lave tèt ou omwen yon fwa pa semènn. Lè w lave cheve ou, fwote po tèt ou ak pwent dwat ou. Si w sèvi ak champou, rense l byen aprè ou mete l nan tèt ou. Lè ou lave cheve ou souvan, sa retire tout tèt, selil mouri, lwil, tè ak swe ki nan tèt ou.

Fè atansyon pou w pa rale cheve ou si ou bwose l lè l mouye.

Lave bwòs ak peny ou ak dlo yon fwa pa mwa pou w kenbe yo pwòp.

2. Eksplore Cheve ak Dan NouObjektif: Timoun ap montre ke yo konprann jan pou yo bwose dan yo.

Sa gen kèk minit sèlman depi nou tap pale de bwose dan. Ann gade sa w sonje nan sa.

Fè timoun yo montre ou jan pou yo bwose dan yo byen. Si yo bliye yon etap, fè yo sonje li. Objektif ou se pou w verifye ke chak timoun kite klas la jodia e li konnen jan pou l bwose dan li byen. Revize etap sa yo.

Yon lòt opsyon

esplike timoun yo ke yo pral bwose dan yon gwo, gwo jeyan. Sa se yon bèl fason pou yo montre ke yo konprann jan pou yo bwose dan yo.

Montre yo twa bale pwòp oubyen 3 bwa ki gen papye nan yo. Sa yo se bwòs dan jeyan an. Bay 3 timoun bwòs dan yo. Se yo menm ki pral bwose dan jeyan an.

Chire 12 papye byen long e bay 12 timoun kenbe yo. 12 timoun yo sipoze kanpe nan yon lin – 2 ranje de 6 timoun chak. Yo sipoze fè fas a yonn lòt nan ranje koube menm

Page 336: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

331KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: DAn AK CHeVe Seksyon 8Leson 11

jan dan moun yo. esplike ke papye sa yo se dan jeyan an e yo gen manje ak sik nan yo ki bezwen bwose.

esplike timoun yo etap sayo pandan y ap bwose dan:

Fen opsyon

Bwose devan dan anlè yo. Sonje kòmanse anlè bò jansiv yo e desann anba dan an.

Bwose do dan anlè yo.

Bwose devan dan anba yo. Sonje kòmanse anba nan jansiv yo epi monte anlè dan an.

Bwose do dan anba yo. Eske ou retire tout ti sik ak manje ki te kole nan dan yo?

Bwose anba dan anlè yo.

Bwose anlè dan anba yo.

Felisitasyon! Kounyeya ou pap gen tou nan dan ou!

3. Mennen vi w ap kenbe cheve w ak dan w pwòp.Objektif: Timoun ap tande yon istwa de yon fanm ki te sèvi ak kò li pou l onore Bondye e ankouraje timoun yo onore Bondye ak kò pa yo tou. Lik 7.36-50

Kounyeya m pral rakonte ou yon istwa de yon fanm nan Bib la ki te sèvi ak cheve li pou l demontre jan l renmen Jezi.

Yon Farizyen ki te rele Simon te envite Jezi vin manje lakay li. Jezi te ale lakay Simon e li ale kouche bò tab la, paske se konsa moun te manje a lepòk. Yon fanm jennès nan vil sa te vin tande ke Jezi tap manje kay Simon. Li vini ak yon boutèy pafen byen chè. Pandan l kanpe dèyè Jezi nan pye li ap kriye, dlo ki te soti tonbe nan je li tonbe nan pye Jezi. Lèfini, li swiye pye Jezi ak cheve li epi li koule pafen an nan pye Jezi.

Jezi vire gade fanm nan epi li di Simon, “Simon, ou wè fanm sa? M antre lakay ou, ou pa t banm okenn dlo pou m lave pye mwen. Men li, li mouye pye m ak dlo nan je li e li swiye pye m ak cheve li. Ou pa t bo m pou w resevwa m, men fanm sa poko sispann bo pye m depi l antre la. Ou pa t pase lwil nan tèt mwen, men li menm, li pase yon pafen byen chè nan pye m. Se konsa, m ap di nou, peche fanm sa ki anpil, yo padonnen. Men moun ki padonnen piti ap renmen piti tou.”

• Kisa madanm nan te fè pou l montre amou li pou Jezi?

Kite m pale w toujou de istwa sa.

Page 337: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

332 KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: DAn AK CHeVeSeksyon 8 Leson 11

Nan tan Jezi, lè w vizite kay yon moun, mèt kay la te sipoze ba ou dlo pou w lave pye ou. Simon pa t bay Jezi okenn dlo pou pye li. Men lè madanm sa ki te gen anpil peche te tande ke Jezi te lakay Simon, li vini e li kriye nan pye Jezi. Li te sitèlman regrèt lavi li ki te plen peche e li te vle di Jezi mèsi paske li te padonnen peche li. Fanm nan tan Jezi te fyè anpil pou cheve yo e yo te pran bon swen li. Men madanm sa te sèvi ak cheve li pou l swiye pousyè ak dlo nan pye Senyè a. Li te onore Jezi.

• Ki jan nou menm nou ka onore Jezi ak kò nou?

Lè nou pran swen yo e kenbe yo an sante.

Pou w fèmen, fè timoun ale di yonn lòt nan zòrèy, “Pa bliye pran swen cheve w ak dan ou!” Chak timoun sipoze di omwen 10 lòt timoun, si w gen ase timoun pou w fè sa.

Page 338: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou
Page 339: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

334

Ijèn: Anseye Lòt MounSeksyon 8 • Leson 12Konsantre sou relasyon ak lòt moun

Tèm: M ka anseye lòt moun jan pou yo kenbe kò yo pwòp.

Jodia timoun yo aprann ke Bondye vle nou sèvi lòt moun. nou ka fè sa lè nou anseye yo jan pou yo pran swen kò yo.

Jodia timoun yo deside tounen yon egzanp pou lòt moun e pale yo de jan yo dwe pran swen kò yo.

MATERYÈL KE W AP BEZWENYon lòt opsyon • Papye • Kreyon

Yon nòt pou ou Menm, Pwofesè:Jodia timoun yo pral revize sa yo aprann sou ijèn. Yo pral pale sou kisa yo aprann ki fasil oubyen ki difisil pou yo mete an pratik. Jodia nou pral konsantre sou sèvi lòt moun menm jan Jezi te fè lè li te lave pye disip li yo (Jan 13.1-15). w ap pale sou sa pou rapò ke l genyen ak anseye lòt moun kenbe kò yo pwòp paske lè nou bay moun enfòmasyon sa, li ka anpeche yo malad, li ka ede yo rete an sante.

Timoun yo ap aprann devni egzanp pou jan yo kenbe kò yo, chanm yo ak afè yo pwòp e nan lòd. Y ap aprann tou ki jan pou yo ede moun mete sa an pratik, sitou lave men yo byen. Antou, leson sa mete ansanm yon leson pratik sou kenbe kò nou pwòp ak yon mesaj de ki jan nou ka bay moun amou Bondye nan sèvis nou.

LÈ POU LESON AN1. Prezante Kenbe Kò w Pwòp

Objektif: Timoun ap revize sa yo aprann mwa sa sou jan pou yo kenbe kò yo pwòp.

nou pral kòmanse ak yon jwèt “Simon Di.” Timoun yo jwe jwèt sa deja men ou ka ba yo yon

Page 340: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

335KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: AnSeYe LòT MOun Seksyon 8Leson 12

ti revizyon de ki jan jwèt la jwe. Fè elèv yo kanpe nan yon lin anfas ou. Ou menm, w ap di yo yon bagay pou yo fè ki gen rapò ak sa yo sot aprann. Lè ou di, “Simon di” avan sa ou vle yo fè a, yo sipoze obeyi e fè sa w di yo fè a. Men si ou pa di “Simon di” avan, yo pa sipoze fè bagay la. Si yo kòmanse fè l, yo deyò jwèt la. Fè yo ti pratik e di yo konsa, “Simon di pou w lave men w.” epi tout timoun yo sipoze fè kòm si y ap lave men yo. Si ou sèlman di, “Lave men ou,” yo sipoze rete kanpe san yo pa fè anyen.

Men kèk ide de sa ou ka di. Di “Simon di” avan kèk nan yo. Ou ka ajoute plis selon sa ou te anseye timoun yo sou jan pou yo pran swen kò yo. Si ou di bwose dan, asire ke timoun yo pa mete dwat nan bouch tout bon vre paske men yo gendwa pa pwòp.

Lave anba bra ou.

Bwose dan dèyè ou yo.

Bwose jansiv ou.

Penyen tèt ou.

Lave men ou pandan 20 segonn.

Ranje e netwaye kote ou dòmi an.

Pase fil dantè nan dan ou.

Bwose lang ou.

Kounyeya di timoun yo ke ou pral revize avèk yo. Yo sipoze reponn a kesyon ou ak gwo vwa byen fò. Ankouraje tout timoun yo patisipe. Timoun yo pral fè bank, men sa bon!

Lave Men:

• Kilè pou nou lave men nou?

• Ki etap ki genyen pou nou lave men nou?

Kite timoun yo montre ou si yo vle.

• Pandan konbyen tan nou sipoze lave men nou?

Pran Swen Po Nou:

• Di yon bagay ke po nou fè pou nou.

• Poukisa pou nou lave kò nou?

• Kisa ou dwe fè si ou blese epi l ap bay san?

Dan:

• Kisa k ap pase si ou pa bwose dan ou ak jansiv ou?

• Bay 8 kote nan bouch ou ke ou sipoze bwose.

Page 341: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

336 KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: AnSeYe LòT MOunSeksyon 8 Leson 12

Cheve:

• Chak konbyen tan yon moun sipoze lave cheve li?

• Kòman yon moun ka fè konnen si l gen pou?

• Kisa ou pa sipoze kite moun sèvi nan afè ou yo?

Felisite timoun yo paske yo aprann byen sou ijèn e jan pou yo pran swen kò yo.

M gen kèk kesyon pou nou toujou. Men sa yo pa tankou lòt yo paske sa yo pa gen yon sèl repons ki bon. M vle tande sa nou panse.

• Poukisa ou menm ou vle kenbe kò ou pwòp?

• Kisa ou aprann nan leson sa yo ki fasil pou w mete an pratik?

• Kisa ou aprann nan leson sa yo ki difisil pou w mete an pratik?

2. Eksplore Kenbe Kò Nou PwòpObjektif: Timoun pral aprann ke Bondye vle pou nou sèvi lòt moun, e yon fason m ka fè sa se anseye moun sa m konnen de pran swen kò yo.

Di timoun yo ke kounyeya ou pral ba yo yon istwa nan Bib la.

Eske nou konnen ke Jezi te lave pye disip li yo? Nan epòk Jezi, moun te mete sandal nan pye yo e wout yo te gen anpil pousyè. Pye moun yo te konn sal anpil e yo te oblije lave yo souvan. Anpil fwa, se te travay yon domestik pou l fè travay sa pou vizitè, paske lave pye moun se yon travay ki di e ki sal anpil. Travay sa se pa yon travay pou chèf ak grannèg fè. Istwa sa te pase yon ti tan avan Jezi te krisifye. Jezi tap manje dènye soupe li ak disip li yo. Men kisa Bib di ki te pase.

Jezi te leve aprè manje a, li retire manto li, e li mete yon sèvyèt nan senti li. Aprè sa, li vide dlo nan yon kivèt epi li kòmanse lave pye disip li yo, li tap swiye yo ak sèvyèt ki te nan senti li.

Li vin sou Simon Pyè. Pyè di konsa, “Senyè, ou pral lave pye mwen?”

Pyè te gendwa ap panse, “Travay sa se pa yon travay pou yon moun tankou Jezi fè.”

Jezi reponn li, “Kounyeya ou gendwa pa konn sa m ap fè a, men pita w ap konprann.”

Lè Jezi lave pye disip li yo, se yon leson enpòtan li tap ba yo.

Pyè di konsa, “Non! Ou pa p janm lave pye m.”

Jezi reponn li, “Si m pa lave ou, ou pa gen okenn rapò avè m ankò.”

Page 342: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

337KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: AnSeYe LòT MOun Seksyon 8Leson 12

Lèfini, Pyè di, “Ebyen, pa lave pye m sèlman. Lave tèt mwen ak men m tou.”

Lè Jezi te fin lave pye yo, li te remete manto li sou li, e li repran plas li sou tab la.

“Eske nou konprann kisa m fè pou nou?” li mande yo. “Nou menm nou rele m ‘Senyè,’ e se vre, se sa m ye vre. Men kounyeya, ke mwen menm, Senyè nou ak Pwofesè nou, m lave pye nou, se pou nou lave pye yonn lòt tou. M mete yon egzanp pou nou swiv. Fè pou lòt moun sa m fè pou ou a.”

• Kisa ou panse Jezi te vle nou aprann nan istwa sa?

Lave pye moun se te yon travay ki te sal, e se sèvant ki te konn fè travay sa. Men, Jezi, Senyè ak Sovè nou, te demontre imilite lè li te lave pye disip li yo. Li te fè travay ke okenn moun pa t vle fè. Li tap bay disip li yon egzanp pou yo swiv. Yo te bezwen demontre moun renmen nan sèvi e ede lòt moun.

• Ki aplikasyon nou ka fè ant istwa sa ak leson sou kenbe kò nou pwòp?

nou ka sèvi lòt moun lè nou tounen egzanp pou yo de kenbe kò nou pwòp, kenbe chanm nou ak afè nan nou lòd e pwòp. nou ka anseye lòt moun ki jan yo ka kenbe tèt pa yo pwòp, sitou jan yo ka lave men yo souvan. Lè moun lave men yo byen, sa sove lavi lòt moun.

3. Mennen Vi w ap kenbe kò w pwòpObjektif: Timoun yo ap deside mete sa yo aprann an pratik e montre lòt moun jan pou yo fè sa tou.

Pale ak timoun yo sou yon sèl bagay yo ka fè pou yo demontre moun jan yo kenbe kò yo pwòp. Si yo bezwen asistans, ba yo kèk ide tankou: kenbe chanm yo pwòp, mete afè yo nan plas yo, anseye moun jan pou yo bwose dan oubyen lave men yo, ede moun penyen tèt yo si yo pa ka fè l pou kont yo.

Di timoun yo ke menm si yo pa konnen yon moun yo ka pale bagay sa yo kounyeya, yo gendwa jwenn okazyon yon jou pou yo fè sa kanmenm. Yo sipoze pratike devni pwofesè ijèn. Mande yon timoun nan klas la vin ede ou. esplike ke pou yon ti moman se timoun sa a ki se pwofesè nou kounyeya. Li sipoze di klas la yon sèl bagay ke li aprann mwa sa sou jan pou l kenbe kò li pwòp. Lè ‘pwofesè’ a fini, rele yon lòt timoun ankò, fè l fè menm jan. Kontinye ak plizyè timoun.

Yon lòt opsyon:

Bay elèv yo papye ak kreyon. Mande yo desinen yon sèl bagay ke yo pral anseye. Di timoun yo ke menm si yo pa konnen yon moun kounyeya ke yo ka anseye, Bondye gendwa ba yo okazyon yon lòt lè pou yo fè sa.

Fen opsyon

Page 343: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

338 KOnSAnTRe SOu ReLASYOn AK LòT MOun

IJèn: AnSeYe LòT MOunSeksyon 8 Leson 12

Fèmen ak yon priyè konsa:

Papa nou ki nan syèl la, nou di w mèsi paske ou renmen nou. Ede nou pou nou devni bon egzanp pou lòt moun nan kenbe kò nou pwòp. Silvouplè ban nou okazyon pou nou anseye lòt moun e montre yo amou ou. Nou priye w konsa nan non Jezi, amèn.

Page 344: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

339

Viktwa!Seksyon 8 • Leson 13Leson spesyal pou Pak

Tèm: Jezi te krisifye, men li te leve ankò!

Jodia timoun yo aprann sou lanmò ak rezireksyon Jezi.

Jodia timoun yo deside yo ka fè pati nan viktwa Jezi e gen lavi etènèl.

MATERYÈL KE W AP BEZWEN • Yon twal blan, pliye. • Avan klas, kache twal la yon kote nan klas la.

LÈ POU LESON AN1. Istwa Nan Bib la: Li resisite! Jan 20.1-8

Objektif: Timoun ap chache konesans ki bay lavi – ke Jezi vivan!

Akeyi timoun yo ak kè kontan. Pandan timoun yo ap vini, chwazi yonn nan yo ki se yon bon lidè pou lòt yo. Di l konsa ke lè ou ba li sinyal la, li pral dirije lòt timoun yo nan yon kous obstak ke ou te pare – yon kous pou l vole anlè wòch, fè wonn pyebwa, mache bò kote kay kote n ap reyini a. Sa sipoze dire 5 minit sèlman. nan fen kous la, li sipoze mennen timoun yo retounen kote nou konn reyini a.

Si li pa posib pou timoun yo fè sa deyò a, pare yon kous anndan klas la ak chèz, tab, bwa e lòt bagay ke timoun yo ka monte sou yo.

Jodia se yon jou spesyal. Se jou nou fete Pak! Pak se yon gran jou kote nou selebre ke Jezi leve soti vivan nan lanmò! Jodia nou pral gade kèk nan premye mo ki te pale sou evènman sa.

M te kache yon bagay trè enpòtan pou leson nou jodia. Bagay sa m kache a reprezante yon evènman ki te chanje tout bagay sou latè pou tout tan. M chwazi yon lidè ki pou dirije nou nan chache bagay sa. Tout moun kanpe yonn dèyè lòt dèyè timoun sa, epi n ap swiv li, n ap fè tout sa li fè, nou prale kote li prale.

Lidè a menm ap gide timoun yo nan kous ou te fè a, e lè yo fini kous la, yo pral chache twal pliye ke w te kache a. Si yo gen difikilte pou yo jwenn li, di yo se yon moso twal ke y ap chache.

Page 345: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

340 LeSOn SPeSYAL POu PAK

VIKTwA!Seksyon 8 Leson 13

Lè yo jwenn twal la, fè timoun yo vin chita pou yo tande yon istwa. Di yo lè yo tande w ap pale de twal pliye sa a nan istwa a, yo sipoze leve men yo.

Konsèy pou Pwofesè: Timoun yo sipoze leve men yo lè ou rive nan pati pawòl Bondye a ke nou soulinye pou ou.Kounyeya ou pral tande yon bèl istwa. Men m pral di nou kisa ki te pase avan sa ki te rive nan istwa a te pase.

Jezi se Pitit Gason Bondye a. Li te mennen yon vi san peche isi sou latè. Nan moman ke Bondye te dakò a, yo te bat Jezi, yo te moke li, e yo te touye li lè yo te krisifye li sou yon kwa. Jezi te pran tout peche sou latè ki te separe nou de Bondye e li te kenbe l sou do li lè li te mouri. Kò li te antere. Disip li yo te tris e yo te panse ke tout espwa yo te mouri jou sa. Men se pa t vre! Koute sa Bib la di ki te rive 3 jou aprè li te krisifye a.

Nan dimanch maten, byen bonè, li pat ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen

bouch kavo a. Li kouri, l’al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo: -

Yo wete Senyè a kote l te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li.

Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y’al nan kavo a. Yo t’ap kouri ansanm, en lòt disip la t’ap kouri pi vit pase Pyè. Li rive bò kote kavo a anvan li.

Li bese pou l gade anndan an. Li wè bann twal fen yo te fè yon pil atè a. Men, li pa antre. Lè Simon Pyè rive dèyè l,

li antre nan kavo a. Li wè bann twal fen yo anpil atè a ansanm ak moso twal ki te mare tèt Jezi a.

Men, moso twal sa a pat menm kote ak bann twal fen yo. Li te vlope apa yon kote. Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò

kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè. Jan 20.1-8

Nan istwa sa a, 2 disip yo te kouri ale nan tonm kote Jezi te antere a. Yo te gendwa pase anpil obstak jan w te fè talè a! Anndan tonm nan, yo jwenn twal ki te mare tèt Jezi a, pliye e sou kote, menm jan ou menm ou te jwenn twal la maten an.

• Men kisa disip yo pa t jwenn nan kavo a?

Kò Jezi.

Page 346: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

341LeSOn SPeSYAL POu PAK

VIKTwA! Seksyon 8Leson 13

2. Eksplore Pawòl BondyeObjektif: Timoun yo pral pale sou lanmò ak rezireksyon Jezi.

Ankouraje timoun yo pale sou istwa Pak lan sa.

• Ki emosyon ou panse disip yo te santi pandan yo tap kouri al nan kavo a? Vire gade yon zanmi epi fè yon figi ki montre ki jan yo te santi yo. Gade si zanmi ou ka di.

• Jezi te leve vivan nan lanmò. Kisa sa vle di pou disip li yo ki te wè li mouri a? Kisa sa vle di pou ou menm?

• Jezi te mouri paske li te di ke se Pitit Bondye li te ye. Si ou te yonn nan premye moun ki te wè ke li te leve nan lanmò, ki se prèv ke li se Pitit Bondye vre, kisa w tap fè? Ou tap pè? Ou tap gen kouraj? Esplike repons ou.

• Poukisa enfòmasyon sa ke Jezi leve nan lanmò se yon bagay ki chanje tout bagay pou tout moun?

Peche te separe nou de Bondye. Jezi te peye pou peche nou, e kounyeya nou ka adopte nan fanmi Bondye pou tout tan, si nou chwazi asèpte kado sa. Sa se yon bèl nouvèl pou nou selebre!

3. Mennen Vi w ak Pawòl BondyeObjektif: Timoun ap reponn a istwa Pak la.

Fè timoun yo kouche sou do yo. Di yo pou yo kouvri figi yo ak men yo, menm jan twal la te kouvri tèt Jezi a. Pandan figi yo kouvri, ankouraje yo panse de ki jan Jezi te kouche nan yon kote ki te fènwa ki te sanble pa gen espwa, men Bondye te leve l nan lanmò. Raple timoun yo ke Bondye pwomèt yo ke, si yo mete konfyans yo nan Jezi, Bondye ap ba yo viktwa e lavi etènèl tou.

Aprè 1 ou 2 minit, di klas la:

Jezi pwomèt viktwa!

Fè timoun yo fè kòm si y ap retire twal la nan figi yo epi pliye li. Fè yo kanpe epi fè kòm si y ap mete twal la kote yo te kouche a. Lè tout moun fin kanpe, kòmanse chante ti kè ki gen anpil jwa ke timoun yo ka chante tou. Ankouraje yo danse e selebre viktwa Jezi a, e pwomès ke li genyen pou yo.

Fèmen ak yon priyè konsa:

Senyè Jezi, nou di w mèsi paske ou te mouri sou kwa a pou nou. Mèsi paske ou te leve nan lanmò pou nou ka gen lavi etènèl avèk ou. Ede nou pou nou rekonfòte ak sa chak jou. Mèsi pou pwomès lavi e pou viktwa, amèn.

Page 347: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

342 LeSOn SPeSYAL POu PAK

VIKTwA!Seksyon 8 Leson 13

Page 348: ESPWA POU AYITI - The Hands and Feet Project · Ankouraje timoun yo rakonte istwa pou lòt moun. Y ap sonje istwa a pi byen si yo rakonte l tou. Y ap renmen tou si yo ka abiye tankou

Objektif nou santre sou Kris, e nou vle founi swen rezidansyèl e an fanmi, ansanm ak solisyon k ap dire, pou nou konbat kriz òfelen ki genyen ann Ayiti. www.handsandfeetproject.org

MISYON HANDS AND FEET PROJECT