esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan ekran ... user guide (creole) - home... · alèt la...

8
Esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan Ekran inisyal VisiTraxx App la Apre ou fin konekte nan VisiTraxx App la, w’ap wè ekran inisyal la, gen anpil bagay ou ka fè ladan’l. Gid sa a bay esplikasyon sou kijan pou ou komanse yon vizit. 1. Ekran inisyal VisiTraxx App la Sa a se ekran inisyal VisiTraxx App la Ou ka fè plizyè bagay ladan’l. Tankou: Gade orè vizit ou Tcheke antre / soti nan yon vizit Kontakte kliyan ou Rele biwo ajans ou a Sèvi ak Sekirite Administratè Chat Gade vizit nòt yo Revize notifikasyon ou yo © CareTraxx 2018 Page of 1 8

Upload: others

Post on 30-Aug-2019

7 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan Ekran ... User Guide (Creole) - Home... · Alèt la ap parèt nan yon ti fenèt ki detache ak ekran inisyal la. Tape 'OK' pou ou ka

Esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan Ekran inisyal VisiTraxx App la

Apre ou fin konekte nan VisiTraxx App la, w’ap wè ekran inisyal la, gen anpil bagay ou ka fè

ladan’l. Gid sa a bay esplikasyon sou kijan pou ou komanse yon vizit.

1. Ekran inisyal VisiTraxx App la

Sa a se ekran inisyal VisiTraxx App la ➤

Ou ka fè plizyè bagay ladan’l. Tankou:

Gade orè vizit ou

Tcheke antre / soti nan yon vizit

Kontakte kliyan ou

Rele biwo ajans ou a

Sèvi ak Sekirite Administratè Chat

Gade vizit nòt yo

Revize notifikasyon ou yo

© CareTraxx 2018 Page � of �1 8

Page 2: Esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan Ekran ... User Guide (Creole) - Home... · Alèt la ap parèt nan yon ti fenèt ki detache ak ekran inisyal la. Tape 'OK' pou ou ka

2. Orè vizit ou

VisiTraxx toujou gen yon prezantasyon tou aktyalize ki

montre orè ou genyen k’ap vini yo. Orè sa yo parèt

aprè ou fin konekte. Tape sou kazye ki make ‘My

Schedule' la si ou bezwen retounen nan lis sa a➤

Vizit ki pi pre pou rive yo parèt

an premye, ak tout dat epi lè yo

pwograme a ➤

3. Alèt Vizit yo

Pafwa ajans ou an ka mete yon nòt nan yon vizit ki

deja pwograme. W’ap wè yon alèt chak fwa ajans ou

an resevwa nouvo enfòmasyon sou eta sante yon

pasyan, oswa si gen yon bagay enpòtan ou ta dwe

konnen de vizit la.

Pou wè nòt sa a, tape bouton jon abriko ki make

"Alert" la ki sou bò gòch nan ekran an ➤

© CareTraxx 2018 Page � of �2 8

Page 3: Esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan Ekran ... User Guide (Creole) - Home... · Alèt la ap parèt nan yon ti fenèt ki detache ak ekran inisyal la. Tape 'OK' pou ou ka

Alèt la ap parèt nan yon ti fenèt ki detache ak ekran

inisyal la. Tape 'OK' pou ou ka fèmen fenèt alèt la. Sa

wap gade a la se yon egzanp ➤

4. Opsyon Kontakte Kliyan

VisiTraxx bay plizyè opsyon trè itil ki rann li fasil pou

kontakte kliyan, oswa aprann plis bagay sou plan

laswenyay ke yo ap resevwa a. Pou ou ka jwenn aksè

ak opsyon sa yo, tape bouton … la ki sou bò dwat non

kliyan an.

© CareTraxx 2018 Page � of �3 8

Page 4: Esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan Ekran ... User Guide (Creole) - Home... · Alèt la ap parèt nan yon ti fenèt ki detache ak ekran inisyal la. Tape 'OK' pou ou ka

Lè ou tape bouton sa a, plizyè opsyon ap parèt. Ki fè li

fasil pou:

rele kliyan ou,

jwenn direksyon pou kondwi ale kote kliyan an ye a

oswa gade plan laswenyay kliyan an ap resevwa. ➤

5. Rapò sou Anreta / Absan nan yon vizit

VisiTraxx fè li fasil pou ou mete ajans ou okouran de si

ou ta pral rive anreta nan yon vizit ki te deja

pwograme, oswa si ou pa ta kapab prezante nan vizit

la ditou.

Si ou Tape bouton “Report Late / Can’t Make It” ki

anba non kliyan an, l’ap ba ou opsyon pou ou rele

ajans ou a➤

© CareTraxx 2018 Page � of �4 8

Page 5: Esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan Ekran ... User Guide (Creole) - Home... · Alèt la ap parèt nan yon ti fenèt ki detache ak ekran inisyal la. Tape 'OK' pou ou ka

�Lè ou tape sou lyen sa a yon ti fenèt ki detache ak

ekran inisyal la dwe parèt. Tape 'Yes' pou rele ajans ou

a pou w kapab mete yo okouran de sitiyasyon w.

6. Mesaj Prive ak Ajans ou

VisiTraxx bay yon opsyon ki pèmèt ou resevwa ak voye

mesaj bay biwo ajans ou a an tout sekirite.

Tape bouton “Chat” la pou w ka louvri bwat mesaj la,

epi komanse voye ak resevwa mesaj an tout sekirite➤

© CareTraxx 2018 Page � of �5 8

Page 6: Esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan Ekran ... User Guide (Creole) - Home... · Alèt la ap parèt nan yon ti fenèt ki detache ak ekran inisyal la. Tape 'OK' pou ou ka

Apre ou fin tape bouton chat la, w’ap wè ekran

Administrator Chat la. Bwat mesaj sa fonksyone menm

jan ak voye tèks, oswa lòt aplikasyon messaj ke ou

abitye itilize yo.

Enpòtan! Chat sa a pa la pou kesyon ki mande

repons imedya oswa pou èd imedya. Nan jan de

sitiyasyon sa yo, ou dwe toujou rele biwo ajans ou

a.

7. Kòmanse / Kanpe Vizit

Ou ka kòmanse pwochèn vizit ou a byen fasil (oswa

fini yon vizit kit e deja komanse) lè w sèvi avèk bouton

ki sou bò dwat nan ekran inisyal la.

Tape bouton vèt ki make 'START' la pou tcheke nan

vizit ke w ap pare pou w al kòmanse a ➤

© CareTraxx 2018 Page � of �6 8

Page 7: Esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan Ekran ... User Guide (Creole) - Home... · Alèt la ap parèt nan yon ti fenèt ki detache ak ekran inisyal la. Tape 'OK' pou ou ka

�Se yon vizit gentan komanse, w ap wè li limen epi lap

make ‘In Progress' sou ekran inisyal la. ➤

Tape bouton jon abriko ki make 'Stop' la pou w tcheke

soti nan yon vizit ke ou te gentan komanse ➤

Remak: Tanpri, gade Gid VisiTraxx la pou w ka

jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou Kòmanse /

Kanpe yon Vizit lè w ap sèvi ak VisiTraxx App la.

8. Revize Notifikasyon

Pou w ka revize notifikasyon nan VisiTraxx, tape sou

'Notificaitons' tab la➤

Kantite nouvo notifikasyon ke w pat gentan li deja yo

ap parèt nan yon ti etikèt ble. Egzanp sa a montre ke

gen 1 nouvo notifikasyon.

© CareTraxx 2018 Page � of �7 8

Page 8: Esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan Ekran ... User Guide (Creole) - Home... · Alèt la ap parèt nan yon ti fenèt ki detache ak ekran inisyal la. Tape 'OK' pou ou ka

�Paj notifikasyon an montre tout notifikasyon ke ou

resevwa yo. Nouvo notifikasyon yo parèt nan tèt lis la

Notifikasyon ke ou poko li yo fasil idantifye. W ap wè

yon etikèt ki make "NEW" bò kote yo.

Remak: Tanpri, gade VisiTraxx Gid la pou w ka

jwenn plis detay sou kijan pou w fonksyone ak

Notifikasyon sou VisiTraxx yo.

© CareTraxx 2018 Page � of �8 8