editoryal lekòl pou tout moun, sa kòmanse depi ak timoun piti yo · editoryal lekòl pou tout...

2
Haïti Perspectives , vol. 2 n o 4 Hiver 2014 5 Editoryal Lekòl pou tout moun, sa kòmanse depi ak timoun piti yo Samuel Pierre N an yon epòk kote yo ap pale sou eskolarizasyon inivèsèl nan peyi a, genyen moun ki gen difikilte pou yo aksepte divès aksyon ki ap fèt pou yo rive mete sou pye lide, kote yo vle pou tout timoun ale lekòl. Koze sa a enpòtan anpil pou peyi a, paske ledikasyon se baz pou nou bati yon nasyon ki dyanm, ki gen tèt ansanm, kote sitwayen yo kab genyen libète pou yo grandi apati sa yo ta renmen fè, talan yo epi sa yo vo. Lè nou konnen kantite timoun ayisyen ki ap grandi pou kont yo nan vil nou yo, nan peyizànri a – timoun nan lari oubyen timoun ki ap fè domestik- kesyon nou kab poze tèt nou, se ki moun ki ap pwoteje sitwayen san sekou sa yo, ki pran nan yon angrenay ki tounen yon kalvè, kote yo ap sibi tout kalite abi. Kalite timoun sa yo pa genyen avni, epi yo kontinye ap ogmante povrete san limit, ki kontinye ap vale teren nan mitan kategori moun sa yo. Kisa pou nou fè ? Yo pwogram eskolarizasyon ki byen fèt dwe kòmanse apati resansman tout timoun ki genyen nan peyi a, nan vil yo kou nan peyizànri a. Sa dwe kòmanse depi timoun yo fèt. Konsa, yo va rive genyen yon idantite ki pou pèmèt tout moun konsidere yo tankou sitwayen ki genyen tout dwa yo. Si nou pa rive fè resansman timoun nou yo, afè inivèsalite nou ap pale a ap rete senpman sou papye. Konsa, an nou kòmanse nan tèt koze a. Ann mete sou pye bon jan regleman, depi nan ane 2014 la, pou Leta ayisyen idantifye, lokalize, epi resansanse avèk bon metòd, tout timoun ki pral fèt apati lane 2015. Teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon rann travay sa a pi fasil toujou pase jan sa te konn fèt 40-an pase. Genyen gwo fonksyonè Leta ki deja konprann nesesite ki genyen pou yo fè kalite travay sa a. Daprè yon atik ki parèt, pa gen lontan, nan jounal Le Nouvelliste 1 , « Direktè jeneral Achiv nasyonal yo, Wilfrid Bertrand demontre nesesite pou idantifye tout Ayisyen kèlkeswa kote yo ap viv la, li mèt se nan seksyon kominal ki pi lwen yo. Fòk yo idantifye yo. Li poze pwoblèm lan ki, an premye, sou lobedyans ministè Lajistis ak ministè Afè etranje. Daprè Wilfrid Bertrand, de ministè sa yo genyen yon pwoblèm biwo pou yo fè anrejistreman, ki se apeprè (190) pou tout Repiblik la. Prèske tout biwo sa yo se nan vil bouk yo nou ap jwenn yo. Anplisdesa, li fè remake manke materyèl (rejis, fòmilè…) genyen ratman nan kanpay pou ankouraje moun yo aji nan sans sa a, ratman nan moun ki pou fè travay la (ofisye Leta sivil, avèk lòt kalite anplwaye), genyen tou yon konsantrasyon wòdpòte nan yon sistèm ki pa pe mache byen. Wilfrid Bertrand rekonèt tou divès feblès ki genyen nan Achiv nasyonal yo, tankou rejis ki pa disponib oubyen erè yo remake nan 90 % papye ki ekri yo. Rive nan ane 2018, Misye Bertrand, ki ap mande pou genyen yon travay an ekip pami divès enstitisyon ki genyen dosye idantifikasyon an sou kont yo, vle anrejistre tout moun san papye anndan peyi a kou deyo peyi a. Li vle idantifye tout Ayisyen. Li vle netwaye tout bank done yo, kreye lis elektoral ki fyab, epi fè anrejistreman timoun yo depi yo fèt tounen yon aksyon enstitisyonalize. » Apati sistèm idantifikasyon metodik sa a, ki branche sou yon prensip inivèsèl, li ap posib pou nou prevwa kantite timoun ki ap genyen laj pou yo rantre lekòl nan yon ane, de ane, twa ane, sa va pèmèt Leta prepare pwofesè epi bati sant pou timoun piti ki kab resevwa timoun sa yo nan sistèm edikasyon Ayiti a. Habib Bourguiba, ki nan peyi Tiniz, te fè pase yon lwa kote li te di klèman, nan mitan semenn, tout timoun ki genyen 4-an rive 16-an, pa dwe lòt kote pase anndan yon lekòl. Konsa, depi lwa sa a te fin fèt, yo te kòmanse bati lekòl. Yo te bati kantite lekòl ki te nesesè pou resevwa tout timoun ki te gen 4-an anmontan ! 

Upload: others

Post on 22-Jul-2020

6 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Editoryal Lekòl pou tout moun, sa kòmanse depi ak timoun piti yo · Editoryal Lekòl pou tout moun, sa kòmanse depi ak timoun piti yo Samuel Pierre N an yon epòk kote yo ap pale

Haïti Perspectives , vol. 2 • no 4 • Hiver 2014 5

Editoryal

Lekòl pou tout moun, sa kòmanse depi ak timoun piti yo

Samuel Pierre

N an yon epòk kote yo ap pale sou eskolarizasyon inivèsèl nan peyi a, genyen moun ki gen difikilte pou yo aksepte

divès aksyon ki ap fèt pou yo rive mete sou pye lide, kote yo vle pou tout timoun ale lekòl. Koze sa a enpòtan anpil pou peyi a, paske ledikasyon se baz pou nou bati yon nasyon ki dyanm, ki gen tèt ansanm, kote sitwayen yo kab genyen libète pou yo grandi apati sa yo ta renmen fè, talan yo epi sa yo vo.

Lè nou konnen kantite timoun ayisyen ki ap grandi pou kont yo nan vil nou yo, nan peyizànri a – timoun nan lari oubyen timoun ki ap fè domestik- kesyon nou kab poze tèt nou, se ki moun ki ap pwoteje sitwayen san sekou sa yo, ki pran nan yon angrenay ki tounen yon kalvè, kote yo ap sibi tout kalite abi. Kalite timoun sa yo pa genyen avni, epi yo kontinye ap ogmante povrete san limit, ki kontinye ap vale teren nan mitan kategori moun sa yo. Kisa pou nou fè ?

Yo pwogram eskolarizasyon ki byen fèt dwe kòmanse apati resansman tout timoun ki genyen nan peyi a, nan vil yo kou nan peyizànri a. Sa dwe kòmanse depi timoun yo fèt. Konsa, yo va rive genyen yon idantite ki pou pèmèt tout moun konsidere yo tankou sitwayen ki genyen tout dwa yo. Si nou pa rive fè resansman timoun nou yo, afè inivèsalite nou ap pale a ap rete senpman sou papye. Konsa, an nou kòmanse nan tèt koze a. Ann mete sou pye bon jan regleman, depi nan ane 2014 la, pou Leta ayisyen idantifye, lokalize, epi resansanse avèk bon metòd, tout timoun ki pral fèt apati lane 2015. Teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon rann travay sa a pi fasil toujou pase jan sa te konn fèt 40-an pase.

Genyen gwo fonksyonè Leta ki deja konprann nesesite ki genyen pou yo fè kalite travay sa a. Daprè yon atik ki parèt, pa gen lontan, nan jounal Le Nouvelliste1, « Direktè jeneral Achiv

nasyonal yo, Wilfrid Bertrand demontre nesesite pou idantifye tout Ayisyen kèlkeswa kote yo ap viv la, li mèt se nan seksyon kominal ki pi lwen yo. Fòk yo idantifye yo. Li poze pwoblèm lan ki, an premye, sou lobedyans ministè Lajistis ak ministè Afè etranje. Daprè Wilfrid Bertrand, de ministè sa yo genyen yon pwoblèm biwo pou yo fè anrejistreman, ki se apeprè (190) pou tout Repiblik la. Prèske tout biwo sa yo se nan vil bouk yo nou ap jwenn yo. Anplisdesa, li fè remake manke materyèl (rejis, fòmilè…) genyen ratman nan kanpay pou ankouraje moun yo aji nan sans sa a, ratman nan moun ki pou fè travay la (ofisye Leta sivil, avèk lòt kalite anplwaye), genyen tou yon konsantrasyon wòdpòte nan yon sistèm ki pa pe mache byen. Wilfrid Bertrand rekonèt tou divès feblès ki genyen nan Achiv nasyonal yo, tankou rejis ki pa disponib oubyen erè yo remake nan 90 % papye ki ekri yo. Rive nan ane 2018, Misye Bertrand, ki ap mande pou genyen yon travay an ekip pami divès enstitisyon ki genyen dosye idantifikasyon an sou kont yo, vle anrejistre tout moun san papye anndan peyi a kou deyo peyi a. Li vle idantifye tout Ayisyen. Li vle netwaye tout bank done yo, kreye lis elektoral ki fyab, epi fè anrejistreman timoun yo depi yo fèt tounen yon aksyon enstitisyonalize. »

Apati sistèm idantifikasyon metodik sa a, ki branche sou yon prensip inivèsèl, li ap posib pou nou prevwa kantite timoun ki ap genyen laj pou yo rantre lekòl nan yon ane, de ane, twa ane, sa va pèmèt Leta prepare pwofesè epi bati sant pou timoun piti ki kab resevwa timoun sa yo nan sistèm edikasyon Ayiti a.

Habib Bourguiba, ki nan peyi Tiniz, te fè pase yon lwa kote li te di klèman, nan mitan semenn, tout timoun ki genyen 4-an rive 16-an, pa dwe lòt kote pase anndan yon lekòl. Konsa, depi lwa sa a te fin fèt, yo te kòmanse bati lekòl. Yo te bati kantite lekòl ki te nesesè pou resevwa tout timoun ki te gen 4-an anmontan ! 

Page 2: Editoryal Lekòl pou tout moun, sa kòmanse depi ak timoun piti yo · Editoryal Lekòl pou tout moun, sa kòmanse depi ak timoun piti yo Samuel Pierre N an yon epòk kote yo ap pale

Haïti Perspectives , vol. 2 • no 4 • Hiver 2014 6

Kalite lwa sa a, ki te mache ak tout sa ki te nesesè pou aplike li, te pèmèt pi plis moun, soti nan bazaj pou rive nan inivèsite san bliye sektè pwofesyonèl la, rantre lekòl.

Yon politik eskolarizasyon inivèsèl se yon ekzijans pou lajistis sosyal ki dwe chita sou prensip egalite chans, yon fason pou pèmèt tout sitwayen nan peyi a genyen, pou pipiti, yon edikasyon alabaz. Si kalite politik sa a rive mache ak lide pou edikasyon an fèt kòrèkteman, li va pèmèt sitwayen yo devlope tout kapasite

yo. Konsa, yo va rive byen lwen nan sistèm lan selon entelijans yo ak pèseverans yo. Tout sa, se va pou byennèt sitwayen an, pou pwòp tèt li, men tou, prensipalman, pou byennèt peyi a ki va rive konte sou sitwayen li yo ki byen edike, ki kab rezoud pwoblèm peyi a epi ki ap kapab fè sosyete a pwogrese. Tout sa va rive fèt, si Leta rive konprann timoun anbazaj se kle pou yon eskolarizasyon inivèsèl ki byen fèt, epi pou li aji an fonksyon kalite konpreyansyon sa a.