covid-19pwojaje l de yon moun a yon lÒt kontajye anpil · nan twalèt yo, twalèt, klavye, tablèt...

1
Etap sila yo ka kwape pwopagasyon COVID-19 Sèlman moun ki otorize yo ki gen dwa anndan lojman an. Limite kontak fizik ak entèraksyon youn ak lòt. PA BAY akolad oswa PA BAY lamen. Lè sa posib, pa rete kole ak moun, bay chak moun 6 PYE DISTANS. Lè ou pa poukont ou, KOUVRI NEN OU AK BOUCH ou ak yon twal oswa yon mas. Itilize yon napkin/mouchwa pou w kouvri bouch ou ak nen ou lè w ap touse oswa estènen epi jete l nan yon poubèl ki ka fèmen ak yon kouvèti. LAVE MEN OU byen avèk savon pandan 20 segonn apre ou sot nan twalèt, anvan ak apre w fin prepare manje epi apre ou fin itilize yon papye napkin/mouchwa kote ou te estènen oswa touse ladann, anvan ou kite lakay ou epi touswit lè ou rive lakay ou. PA MANYEN je ou, nen ou ak bouch ou pandan jounen an. PA PATAJE afè pèsonèl ou: telefòn selilè, asyèt, vè wap bwè dlo, gode, kiyè/fouchèt, sèvyèt ak dra. PA ITILIZE zouti oswa ekipman pou rekòt lòt anplwaye itilize deja. Twalèt ak kote pou w lave men w dwe netwaje epi desenfekte chak jou. Si se pa sa, enfòme/avèti touswit sipèvizè ou. Omwen yon fwa pa jou netwaje epi desenfekte telefòn selilè, rimòt kontwòl, kontwa, tab, manch pòt, akseswa nan twalèt yo, twalèt, klavye, tablèt epi ti tab bò kabann yo. Enfòme sipèvizè ou touswit si w gen lafyèv, w ap touse oswa souf ou kout (esoufle). PA KITE lojman an epi PA ALE kote ki gen anpil moun/PA ALE nan espas piblik. Sipèvizè w pral ede ou chèche swen medikal nan men otorite lokal yo ki la pou bay laswenyay. COVID-19 PWOJAJE L sitou DE YON MOUN A YON LÒT epi li KONTAJYE ANPIL. AL PRAN LASWENYAY TOUSWIT Sentòm COVID-19* pou w veye: • Difikilte pou w respire •Yon doulè ki dire oswa yon presyon nan lestomak ou. •Konfizyon oubyen difikilte pou w rete je klè •Visaj oswa po bouch ou pal (yo gen yon ti koulè ble) *Lis sa a pa konplè. Silvouplè al kay doktè ou si w gen nenpòt lòt sentòm ki grav oswa si w gen dout. 1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 6 PYE DISTANS

Upload: others

Post on 17-Aug-2020

9 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: COVID-19PWOJAJE L DE YON MOUN A YON LÒT KONTAJYE ANPIL · nan twalèt yo, twalèt, klavye, tablèt epi ti tab bò kabann yo. Enfòme sipèvizè ou touswit si w gen lafyèv, w ap

Etap sila yo ka kwape pwopagasyon COVID-19

Sèlman moun ki otorize yo ki gen dwa anndan lojman an.

Limite kontak fizik ak entèraksyon youn ak lòt. PA BAY akolad oswa PA BAY lamen. Lè sa posib, pa rete kole ak moun, bay chak moun 6 PYE DISTANS.

Lè ou pa poukont ou, KOUVRI NEN OU AK BOUCH ou ak yon twal oswa yon mas.

Itilize yon napkin/mouchwa pou w kouvri bouch ou ak nen ou lè w ap touse oswa estènen epi jete l nan yon poubèl ki ka fèmen ak yon kouvèti.

LAVE MEN OU byen avèk savon pandan 20 segonn apre ou sot nan twalèt, anvan ak apre w fin prepare manje epi apre ou fin itilize yon papye napkin/mouchwa kote ou te estènen oswa touse ladann, anvan ou kite lakay ou epi touswit lè ou rive lakay ou.

PA MANYEN je ou, nen ou ak bouch ou pandan jounen an.

PA PATAJE afè pèsonèl ou: telefòn selilè, asyèt, vè wap bwè dlo, gode, kiyè/fouchèt, sèvyèt ak dra.

PA ITILIZE zouti oswa ekipman pou rekòt lòt anplwaye itilize deja.

Twalèt ak kote pou w lave men w dwe netwaje epi desenfekte chak jou. Si se pa sa, enfòme/avèti touswit sipèvizè ou.

Omwen yon fwa pa jou netwaje epi desenfekte telefòn selilè, rimòt kontwòl, kontwa, tab, manch pòt, akseswa nan twalèt yo, twalèt, klavye, tablèt epi ti tab bò kabann yo.

Enfòme sipèvizè ou touswit si w gen lafyèv, w ap touse oswa souf ou kout (esoufle). PA KITE lojman an epi PA ALE kote ki gen anpil moun/PA ALE nan espas piblik. Sipèvizè w pral ede ou chèche swen medikal nan men otorite lokal yo ki la pou bay laswenyay.

COVID-19 PWOJAJE L sitou DE YON MOUN A YON LÒT epi li KONTAJYE ANPIL.

AL PRAN LASWENYAY TOUSWIT

Sentòm COVID-19* pou w veye:

• Difikilte pou w respire

• Yon doulè ki dire oswa yon presyon nan lestomak ou.

• Konfizyon oubyen difikilte pou w rete je klè

• Visaj oswa po bouch ou pal (yo gen yon ti koulè ble)

*Lis sa a pa konplè. Silvouplè al kay doktè ou si w gen nenpòt lòt sentòm ki grav oswa si w gen dout.

1

2

3

4

5

6

7

8

9

10

116 PYE

DISTANS