alimentation complementaire et …€¦ · web viewmanman sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l...

63
MYAP 2008-2013 MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2 ALIMANTASYON KONPLEMANTÈ EPI MIKWONITRIMAN 1

Upload: others

Post on 12-Aug-2020

8 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

MYAP 2008-2013

MCHN

Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman

Lidè

Modil 2 ALIMANTASYON KONPLEMANTÈ EPI

MIKWONITRIMAN

Adapted from materials produced by Food for the Hungry

1

Page 2: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Leson 1: PREMYE ALIMAN (ALIMANTASYON KONPLEMANTÈ)

Manman yo ap adopte pi bon pratik manje pou timoun ki gen laj 0-11 mwa yo.o Koumanse bay yon tikras manje sèlman ak timoun ki gen laj 6 mwa yo.o Ogmante kantite ak kalite aliman yo pandan timoun nan ap grandi. o Ant 6 ak 11 mwa y ap toujou bay timoun yo tete anvan yo ba yo manje.o Kontinye bay timoun nan tete depi l mande l jistan l gen 24 mwa.o Si manman yo santi nesesite pou yo bay lòt likid oubyen dlo trete (klore oubyen

pirifye) yo dwe bay li ak yon timoun ki gen 6 mwa oubyen plis. Manman yo ap koumanse bay bon manje pou ti bebe yo nan bon moman.

o Premye manje a se yon labouyi pwès ki fèt ak yon sèl aliman de baz, plis lwil pou ogmante enèji (ak vitamin).

o Konsistans lan dwe tankou pire bannann oubyen patat dous, ki epè pou l ka fasil pou timoun nan vale l epi pou l bay timoun nan eleman nitritif ki esansyèl yo.

o Aprè kat (4) jou ou eseye yon manje, ajoute yon lòt engredyan senp pou ou fè manje a pi nitritif.

Manman yo pra l bay timoun yo kantite manje yo bezwen pou yo grandi.o Sou 6 mwa, koumanse ak ti kiyè epi ajoute de (2) ak kat (4) kiyè nan chak repa.o Sou 6 mwa ak 8 mwa, bay timoun nan manje twa (3) fwa chak jou.o Ogmante manje a kat (4) fwa pa jou pou timoun ki gen nèf (9) mwa ak 11 mwa yo.

Manman yo ap kapab idantifye bon pratik manje pou timoun yo.o Manman yo pra l gen pasyans epi ankouraje pitit yo manje aliman yo pou yo ka

grandi an bòn sante pandan y ap ofri yo pi souvan ti kantite manje. o Manman yo pa dwe fòse timoun yo manje.o Si timoun yo refize kèk manje, manman yo pra l eseye lòt konbinezon manje, jès

oubyen lòt metòd ankourajman. o Manman yo pra l itilize yon tas ak yon ti kiyè pou nouri timoun yo konsa y ap kapab

swiv kantite manje timoun nan manje nan chak repa. Manman yo pral kwè ke yo gen kapasite pou yo bay timoun yo manje nan bon moman ak bon

manje pou simonte malnitrisyon (ogmante jan yo konprann ke yo efikas (oto efikasite)).

MO LESON AN : «Bagay m ap fè yo ap kapab fè diferans nan fason pitit mwen grandi.»

Materyèl1. Rejis prezans

2

Page 3: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

2. Yon ti kiyè, yon tas (oubyen bòl) pou bay yon tibebe manje, yon gwo kiyè pou mezire jan ti kiyè yo anpile.

Jwèt: Montre emosyon m — 10 minit

1. Mande yon volontè pou l kite sal la (oubyen pou l kanpe lwen rès gwoup la). 2. Gwoup la dwe chwazi an sekrè yon mo deskriptif tankou : byennere, tris, malad, nati, kòlè oubyen

lajwa. 3. Mande volontè a pou l antre.Volontè a ap mande manman lidè yo pou yo fè yon aktivite tankou :

bwose dan, mare lasèt soulye yo, oubyen manje.4. Manman lidè yo ta dwe fè yon aksyon menm jan ak mo l te dekri a. Kòm egzanp, si manman lidè

yo te chwazi kè kontan ak alètman, yo ta dwe fè tankou y ap bay tete ak kè kontan.5. Volontè a pra l gade manman lidè yo epi l ap devine mo deskriptif la. Li gen twa chans pou l

devine.6. Bay plizyè manman lidè chans pou yo vin volontè. Itilize lòt mo deskriptif epi lòt aktivite pou chak

volontè.

Kouman emosyon kapab afekte konpòtman nou? Fason nou fè bagay yo kapab genyen yon enpak sou konpòtman nou (li kapab ede nou fè bagay

yo oubyen anpeche nou fè yo). Nou kapab fè kèk bagay ki itil (tankou bay yon timoun manje), men lè nou fè l ak kòlè oubyen ak

kè kase sa pa pèmèt timoun nan byen manje. Kòm manman, fason nou pale epi aji byen ankourajan ak pitit nou yo, ede yo byen grandi.

PREZANS EPI REZOLISYON PWOBLÈM– 15 MINIT1. Ajan sante a ap ranpli rejis prezans pou chak manman lidè pandan l ap swiv menm modèl la,

tankou nan jwèt wòl leson 1 an.2. Ajan sante a ap mande si pa gen kèk manman lidè ki te gen pwoblèm ak manman l ap sipèvize yo

pandan reyinyon ki pase a.3. Ajan sante a ap ede yo rezoud pwoblèm yo te di yo.4. Ajan sante a ap remèsye tout manman lidè pou gwo travay sa y ap fè a epi l ap ankouraje yo pou

yo kontinye.5. Mande chèf aktivite gwoup la pou l diskite sou atik l ap gen bezwen pou semèn k ap vini an epi

chache lòt volontè.

3

Page 4: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Pa manje (Desen 1) ― 5 minit

Manman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn li fin akouche a pou l resevwa grenn vitamin A a. Kounye a, yo tou de (2), li menm ak Joel fò anpil. Kounye a Joel vin pi gran epi papa l ap eseye ankouraje l pou l manje lòt manje. Lè manman Sofi eseye sa, bebe a pouse l jete epi li fè min ak figi l. Chak vwazen Manman Sofi yo ba l konsèy yo di l li fè l mal. Manman Sofi pa konn sa pou l fè.

POZE KESYON – 5 MINIT

Ankouraje diskisyon an. Pa korije "move repons yo." Kite tout moun pale. Ann konpare pratik pa nou yo ak pratik [Manman A] a.

Eske l nòmal pou yon timoun refize nouvo manje?Ki bon moman pou koumanse bay yon timoun manje lòt manje?

4

Page 5: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

MONTRE: Bay tete (Desen 2) ― 5 minit

Kisa nou wè sou foto sa a? [Manman A] a ap bay tete anvan l bay manje. Epi li ba l manje labouyi ak yon kiyè. Labouyi a fèt ak pire patat dous epi lwil.

ESPLIKE:

Sou 6 mwa laj, [Manman A] a kòmanse bay pitit li a manje manje pou l ka ede l grandi.

Li prepare labouyi oubyen pire aliman nan yon ti bòl epi l ajoute lwil lè l fin fè l, li pase l sou dife oubyen sou chalè.

Ajoute lwil ki pa prepare bay anpil nitriman ak enèji ke lwil prepare. Nan premye semèn li bay manje a li eseye youn(1) oubyen de(2) ti kiyè labouyi,

youn(1) oubyen 2 fwa chak jou, aprè ti bebe a fin tete pou l ka ede l abitye ak

5

Page 6: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

nouvo manje yo.

Poukisa l kontinye ap bay tete?

[Manman A] dwe bay pitit li a tete jistan l gen 24 mwa oubyen plis. Lèt maman se manje ki pi enpòtan pou timoun ki fèk fèt yo. Toujou bay tete anvan n bay manje epi fè l chak fwa timoun nan mande l. Lèt manman pwoteje timoun nan kont maladi.

Si timoun nan refize manje nouvo yo, kisa pou manman an fè?

Pale byen dousman ak timoun nan epi ankouraje l manje. Eseye chante oubyen fè chante pou ankouraje l manje.

Nouri timoun nan tipa tipa epi ak pasyans. Ajoute lèt manman nan labouyi a. Sa ap ede timoun nan adapte l ak nouvo manje

a. L ap pran yon sant li abitye pran. Pa fòse yon timoun manje. Manje a ka antre nan poumon l si l kòmanse ap kriye

epi ap respire pandan l ap manje. Manje nan poumon yo ka lakòz lanmò. Si nou jwenn manje timoun nan renmen, kontinye ba li l epi ankouraje l manje.

Ajoute nouvo manje (Desen 3) — 5 minit

MONTRE

6

Page 7: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Kisa nou wè sou foto sa a? Labouyi [Manman A] a kòmanse ak yon aliman de baz epi lwil. Aprè kat (4) jou, [Manman A] ajoute yon lòt engredyan, yon sòt de manba. Aprè kat (4) jou ankò, [Manman A] a ajoute yon lòt engredyan, yon pire diri, ble oubyen

pitimi.

ESPLIKE: P andan kat(4) premye jou li te kòmanse ap bay pitit la labouyi a, li te kòmanse ak yon

manje sèlman epi lwil. Aprè 4 jou li ajoute yon lòt aliman. Li ta kapab chwazi pwason oubyen pwa oubyen nenpòt lòt manje l ka mete nan

labouyi a. Yon timoun bezwen kèk jou pou l abitye ak yon nouvo manje. Epi, li ajoute manba epi l tann plis ke kat (4) jou. Mete nouvo manje chak kat(4) jou pou n ka asire n ke timoun nan kapab tolere manje

sa. Si l ka tolere nouvo manje a aprè kat(4) jou, ajoute yon lòt aliman nan labouyi a pou

ou ka rann ni pi nitritif.

Ki aliman nou ta ka ajoute pou n fè labouyi a pi nitritif? Ankouraje diskisyon an. Ajoute kèk bagay sa yo ki pat ko di.

Ajoute lwil, epi manba nan labouyi a. Ajoute ti moso vyann rache, ze epi legim. Ajoute tibèkil oubyen fwi wouj epi jòn pou n ogmante vitamin A a. Ajoute yon pire fwi, tibèkil ak legim tankou patat dous, fèy vèt epi tomat.

Kantite aliman pou chak manje (Desen 4) — 5 minit

7

Page 8: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

MONTREKisa nou wè sou foto sa a?

Nan laj sis(6) ak nèf(9) mwa, li bay pitit li manje 3 fwa pa jou (maten, aprè midi epi swa). Nan laj sis(6) ak nèf(9) mwa, li ba l manje ak yon tas ki genyen kat (4) ti kiyè plen labouyi ki

rich ak eleman nitritif. Nan laj nèf(9) ak douz(12) mwa, li nouri pitit li senk(5) fwa pa jou. Nan laj nèf(9) ak douz (12) mwa, li nouri l ak yon tas ki preske plen nan ¾. Manman an Koumanse bay timoun nan yon dwèt manje (yon goute nan mitan repa yo). Li koumanse chita ak pitit li epi ede l manje. Li konsantre atansyon l sou pitit li.

ESPLIKE :

Pandan pitit le ap grandi, [Manman A] a ogmante de tanzantan manje yo epi frekans manje yo.

A pati wit (8) ak douz (12) mwa, [Manman A] bay pitit li yon dwèt manje l ka pran ak men l.Yon dwèt manje mou tankou : bannann mi (bannann fig), zaboka, mango mi, papay, epi zoranj.

Kontinye bay tete souvan ke timoun nan mande l jistan l gen 24 mwa laj. Lèt manman an pou kont li dwe bay timoun nan kantite likid li bezwen jis li rive nan laj douz (12) mwa. Si manman timoun yo anvi bayo lòt likid, dlo trete (klore oubyen pirifye) li ka

8

6 - 9 mwa

9 -12 mwa

Page 9: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

bay yo l ak yon timoun ki nan laj 6 mwa oubyen plis.

Aktivite: Preparasyon premye labouyi a— 15 minitKiyè epi bòl1. Montre manman lidè yo kiyè ak tas (250 ml) nou genyen yo.2. Esplike ke gwo kiyè (15 ml ak soup yo) itilize pou mezire kat (4) tikiyè plen labouyi pou chak repa n ap pran.3. Ti kiyè (tou piti pou adpte ak bouch timoun nan) li itilize pou l nouri bebe a ak tas la oubyen bòl la.

Poukisa nou ta dwe nouri bebe a ak yon tas oubyen yon bòl?

Yon bòl oubyen yon tas ap ede nou kontwole kantite manje ke timoun nan ap manje nan chak repa.

Preparasyon premye labouyi a1. N ap itilize pwodwi lokal yo, pou nou prepare yon labouyi devan manb gwoup swen an ak yon

aliman de baz nitritif. 2. Diskite sou konsistans la. Ajoute dlo pandan n ap kwit li oubyen lèt manman aprè manje a fin

kwit jan l ta dwe ye.3. Montre tout engredyan ke manman ta kapab ajoute youn chak fwa, epi melanje l ankò jistan

l genyen yon bon konsistans (pa twò mou pa twò epè).4. Kontinye ajoute lòt eleman nitritif, diskite sou fason yon manman ta bay pitit li a manje

pandan kat (4) jou anvan n ajoute yon nouvo aliman. 5. Lè dènye labouyi a fin prepare, nouri timoun piti yo epi pi gwo timoun ki gen 6 mwa ak plis yo

epi ki te tolere tout manje yo te ajoute nan labouyi a.

SONDE— 10 minitKisa nou panse de lide sa yo?Nou panse ke konsèy sa yo ta ka difisil pou n swiv?Eske gen kèk bagay ki ta ka anpeche nou swiv oryantasyon sa yo?

Mande manman an pou l pale ak yon fanm ki chita bò kote l la pandan 10 minit.Yo ta dwe pataje pwoblèm pèsonèl yo genyen ak pratik sa yo. Ansanm, yo ta dwe eseye jwenn solisyon ak pwoblèm sa yo. Aprè dis (10) minit, mande manman lidè yo pou yo pataje sa yo te diskite a.

ENFÒME — 5 minitEde yo jwenn solisyon ak pwoblèm yo. Ankouraje yo eseye nouvo pratik sa yo. Si yon fanm ta bay yon solisyon ak pwoblèm yon lòt fanm, felisite l epi ankouraje lòt yo wè si yo ka itilize solisyon an, lè y ap pale ak yo.

Pwoblèm yo ka jwenn : Pa gen tan pou prepare 3 oubyen 4 repa chak jou.

o Manman yo kapab prepare yon repa cho pou yon jou epi mete lòt manje a nan yon kote ki fè frèt, ak yon kouvèti pandan 2 ak 3 zè.

PRATIK AK ANKADREMAN — 20 minit

9

Page 10: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

1. Mande manman lidè yo pou yo pataje ansèyman yo te resevwa jodi a pandan y ap itilize de premye paj Flipchat la. Li dwe pataje ak yon lòt fanm nan gwoup swen an epi itilize metòd ASPIRE a.

2. Di manman lidè yo ke sa k tande mesaj la ta dwe di sa l panse de leson an, youn nan rezon li panse mesaj sa a ta ka difisil pou li.

3. Manman lidè ki pataje mesaj la dwe eseye ede lòt fanm nan simonte obstak sa a. 4. Apre dis (10) minit, mande fanm yo pou yo chanje wòl. 5. Ajan sante a dwe gade, korije, epi ede manman lidè ki gen difikilte yo. 6. Lè tout moun fin reponn kesyon manman yo genyen sou materyèl yo, oubyen leson jodi a :

MANDE — 2 minitÈske nou pre pou nou pran angajman pou nou swiv nouvo pratik nou te diskite jodi a?

Mande manman yo pou yo di yon bagay ak bouch yo ke yo angaje yo.

EGZAMINE — 5 minitMande chak manman lidè ki konpòtman yo te genyen nan de semèn ki pase yo : (si yo te gen yon ti moun ki gen pou pi piti 6 mwa) Èske ou bay tete sèlman? Èske ou bay pitit la tete chak fwa li bezwen? Lè w ap bay tete, èske ou fin bay nan yon tete epi apre sa ou bay nan lòt la? (si yo te gen yon ti

moun ki malad nan de semèn ki pase yo) Èske ou te kontinye bay timoun nan tete menm si l te malad?

10

Page 11: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Leson 2: ALIMANTASYON NAN DEZYÈM LANE LAVI Timoun nan

(12-23 mwa)

Manman timoun yo pra l adopte pi bon pratik manje pou timoun ki nan laj 12-23 mwa.o Nan laj 12 mwa, toujou bay timoun nan manje anvan n ba l tete.o Kontinye bay tete souvan ke timoun nan mande l, lajounen kou lannwit jis pou rive nan

laj 24 mwa.o Ogmante kantite manje epi kalite manje yo pandan timoun nan ap grandi. o Timoun ki soufri malnitrisyon yo kapab pèdi lapeti.Ogmante manje a lè timoun nan

malad, epi eseye nouvo manje, jès epi lòt metòd ankourajman. Manman pra l bay pitit yo kantite manje ki nesesè pou yo grandi.

o Timoun ki nan laj 12-18 mwa yo pra l manje 6 fwa chak jou.o Timoun ki nan laj 12-18 mwa y ap genyen preske yon tas plen manje nan chak repa.o Timoun ki nan laj 18-24 mwa yo pra l manje 6 fwa chak jou. o Timoun ki nan laj 18-24 mwa yo ta dwe manje yon tas plen manje nan chak repa.

Manman an pra l itilize manje ki rich ak eleman nitritif epi kolasyon lè l ap bay timoun li yo manje.•Manman yo pra l dakò ke yo gen tan ak kapasite pou yo fè repa nitritif pou pitit yo.

MO LESON AN: « Lavi a sakre »

Materyèl1. Rejis prezans yo 2. Yon ti asyèt oubyen yon bòl ke manman an ta ka itilize pou nouri yon timoun (ki koresponn ak yon tas manje apeprè)

JWÈT: Lapli toransyèl —10 minit1. Mande manman lidè yo pou yo chita byen kal nan yon wonn ak je yo fèmen.2. Wòl yo se pou yo tande son fanm ki sou bò dwat yo a ap fè a.Yo ta dwe repete son fanm sou bò

dwat yo a fè a youn aprè lòt.3. Ajan sante a ap kòmanse fwote pla men l ansanm pou yo fè yon bwi lapli. 4. Fanm ki sou kote dwat li a ap fè bwi sa, epi fanm ki vin aprè a jistan tout moun nan wonn nan

fwote pla men yo ansanm. 5. Depi tout moun fwote pla men yo, fasilitatè a ap fè yon son lapli pi fò ak klakman dwèt li.

11

Page 12: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

6. Manman lidè sou kote dwat li a ap repete son sa, jistan tout moun youn pa youn ap klake dwèt yo.

7. Epi, ajan sante a ap frape de men l an menm tan epi manm gwoup la ap fè sa tou youn pa youn. 8. Aprè, ajan sante a ap frape kwis epi manm gwoup la ap fè sa tou youn pa youn. 9. Aprè, ajan sante a ap pedale pye l, lapli a ap vin yon ouragan. 10. Pou fè konnen tanpèt la kanpe, fasilitatè a ap tounen kòmand la : tape kwis la, klake men yo,

klake dwèt yo epi fwote pla men yo, sa ap fini san fè bwi.

Se yon jwèt ki amizan pou prepare nou pou leson jodi a. Li reveye kò a epi lespri a.

PREZANS AK REZOLISYON PWOBLÈM YO - 5 minit1. Ajan sante a ap ranpli fich prezans pou chak manman lidè pandan l ap swiv menm modèl la,

tankou l te ye nan jwèt wòl leson 1 an. 2. Ajan sante a ap mande si kèk manman lidè te gen pwoblèm pandan reyinyon ak manman ki

sou responsablite l yo. 3. Ajan sante a ap ede rezoud pwoblèm yo te di yo.4. Ajan sante a ap remèsye tout manman yo pou travay di y ap fè a epi l ap ankouraje yo pou yo

kontinye.5. Mande chèf aktivite gwoup la pou yo diskite sou atik y ap bezwen pou aktivite semèm k ap

vini yo epi mande lòt volontè. Toujou grangou (Desen 5) — 5 minit

Joel gen sèlman yon ti tan depi l fin manje. Li gentan grangou. Manman Sofi prepare gwo bòl labouyi pou joel 3 fwa pa jou. Li pa janm kapab fin manje tout. Nan kèk ti tan joel grangou toujou. Manman Sofi fache. Li vle ke Joel manje plis nan chak repa pou l pa al ba l manje tanzantan. Li pa gen tan pou l kwit manje senk(5) fwa chak jou.

12

Page 13: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Nou panse ke manman Sofi gen rezon l pou l fache ak Joel?

Ankouraje diskisyon an. Ajoute kèk bagay ki pat di. Kòlè pap ede Joel grandi. Kòlè pap plen lestomak Joel. Joel ka piti, men li fasil pou l trape maladi paske l pa gen eleman nitritif kò l bezwen yo. Lavi joel sakre epi si l pa jwenn swen l bezwen, li pap ka viv premye lane lavi l. Lavi Joel merite pwoteje. Manman Sofi dwe jwenn mwayen pou l rezoud pwoblèm li olye l aji an kolè ak Joel.

POZE KESYON— 5 minit

Ankouraje diskisyon an.Pa korije "move repons yo."Kite chak moun di sa yo panse.

An nou konpare pratik nou yo ak pratik [Manman A] a.

Konbyen fwa nou bay timoun 12-24 mwa yo manje pa jou? Konbyen nou panse ba yo nan chak repa?

Nouri (bay manje) anvan (Desen 6) — 5 minit

13

Page 14: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

MONTREKisa nou wè sou foto sa?

[Manman A ak papa A] ap bay pitit yo manje ak yon lòt bòl.Ti moun nan ap manje manje fanmi an ak yo.

[Manman A] ap ba l tete aprè l fin ba l manje.

ESPLIKE :Poukisa l ap ba l tete aprè l fin ba l manje?

Ankouraje diskisyon an. Ajoute kèk lòt bagay sa yo ki pa t di.

Aprè laj 12 mwa, timoun yo resevwa plis enèji nan manje yo ke nan lèt manman. Aprè 12 mwa, [Manman A] a bay manje anvan epi li bay tete. [Manman A] a bay pitit li tete lannwit kou lajounen souvan ke l vle l epi l kontinye

jis sou 24 mwa.

14

Page 15: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Kantite ak frekans aliman yo ogmante (Desen 7) — 5 minit

MONTREKisa nou wè sou foto sa a?

[Manman A] a nouri pitit li ki gen 12-18 mwa laj la 6 fwa pa jou. Li nouri pitit li ki gen 12-18 mwa laj la ak yon tas ki preske toujou plen nan chak repa. Ant 18 - 24 mwa laj, [Manman A] a nouri pitit li [ak pi plis manje] 6 fwa pa jou.

15

12 - 18 mwa

18 - 24 mwa

Page 16: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Ant 18-24 mwa, [Manman A] bay pitit li a manje ak yon tas plen nan chak repa. Li chita ak pitit li pou l ankouraje l manje. Li konsantre tout atansyon l sou pitit li epi ankò li ba l manje ak yon tas oubyen yon asyèt.

ESPLIKE :

Li manje 4 fwa chak jou ak yon repa fanmi an. Li bay yon kolasyon lè l gen 12-18 mwa. Li bay 2 kolasyon lè l vin pi gran. Li kontinye ede epi ankouraje pitit li manje. Li ogmante kantite ak kalite aliman yo pandan timoun nan ap grandi (tanzantan l

ap pi gran).

Si timoun nan vin malad, eske [Manman A] a dwe kontinye ba l manje ak menm kantite manje yo?

Ankouraje diskisyon an. Ajoute kèk lòt bagay ki pat di. [Manman A] a pra l bay pitit li manje ak kantite ki rekòmande a. L ap ajoute

anpil likid, l ap ba l plis tete ke sa l te konn abitye ba li a. L è timoun nan fè malnitrisyon (paske l pat resevwa ase nitriman pandan

lontan) li ka pèdi lapeti. [ManmanA] a dwe ankouraje pitit li manje, eseye nouvo manje, jès ak metòd

pou ankouraje l. Pandan oubyen aprè yon maladi, [Manman A] a dwe bay pitit la anpil manje

ke sa l te konn abitye ba li a pou l ka ede l repran enèji.

Kantite manje ak kalite manje nou bezwen chak jou. (Desen 8) — 5 minit

MONTRE :16

Page 17: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Kisa nou wè sou foto sa a?Se manje timoun nan manje depi l gen laj 18 mwa.

Li gen 2 ti plat nan manje fanmi an, chak jou. Li gen labouyi ki rich ak eleman nitritif. Li gen 2 kolasyon fwi. Li manje senk(5) fwa pa jou.

ESPLIKE : Nan chak repa timoun nan manje yon tas manje (3/4 plen oubyen plen selon laj li). Li gen plizyè bagay enpòtan ke timoun 12-24 mwa yo manje chak jou, plizyè fwa pa

jou.

Touche aliman yo nan chak kategori sou flipchat la.Legim epi legiminez tankou, pwa, chou, epi legim ak fèy vèt.

o Fwi tankou bannann mi, zoranj, epi mango.o Lwil vejetal o Pwodwi vyann yo , tankou : anndan bèt, ze, lèt bèf oubyen pwason.

Aliman wouj epi jòn yo tankou sitwon, zoranj, mango, papay, epi bannann fig, bannann miske.

o Kolasyon nan mitan manje yo tankou pen, pistach, oubyen fwi yo.o Gren ankè yo (mayi, diri, pitimi, ble)

Ki lòt kolasyon nitritif nou ta di pou timoun 12-24 mwa yo? Pire oubyen tranch fwi (bannann, papay, zoranj, mango) Pire fwi oubyen tibèkil (zaboka, oubyen pòmdetè kwit). Ze bouyi, ti pwason sèch, pen ak manba. Pòmdetè bouyi oubyen fri, manyòk, bannann miske, oubyen yanm.

Aktivite: Bezwen chak jou pou timoun nan. — 15 minit1. Ranpli yon ti asyèt oubyen yon bòl ak 1000ml labouyi. (ou ka itilize ti wòch oubyen sab tou).

Mezire 1000ml (sab oubyen wòch) nan yon bòl.2. Esplike ke 1000ml la se kantite yon timoun bezwen chak jou pou l ka an bòn sante.3. Divize labouyi a (oubyen galèt la) an twa pati.4. Mande, "Eske yon timoun 12-24 mwa ka manje tout sa nan yon sèl repa?"5. Esplike timoun 12-24 mwa a gen yon lestomak ki gwòsè (250ml). Montre yon tas (250 ml),

esplike yo ke tas la twò gwo pou yon timoun ki gen yon vant 200ml.6. Mande : «konbyen tas manje ki nesesè pou nouri timoun yo chak jou?"7. Ankouraje manman lidè yo pou yo separe 1000ml la an ti kantite timoun nan ka manje. 8. Mande : «Konbyen pòsyon nou chwazi?"9. Esplike ke sèl fason yon timoun (ak yon lestomak 200ml) ka gen ase nitriman ak enèji se si l

manje senk(5) ti repa chak jou.

SONDE— 10 minitKisa nou panse de lide sa yo? Nou panse ke konsèy sa yo ta ka difisil pou nou swiv?Eske gen kèk bagay ki ta ka anpeche nou swiv konsèy sa yo?

17

Page 18: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Mande manman an pou l pale ak yon lòt fanm ki chita sou kote l la pandan dis (10) minit. Yo ta dwe pataje pwoblèm yo genyen ak nouvo pratik sa yo. Ansanm, yo ta dwe eseye jwenn solisyon ak pwoblèm yo.

ENFÒME— 5 minitEde yo jwenn solisyon ak pwoblèm yo. Ankouraje yo pou yo eseye nouvo pratik sa yo. Si gen yon fanm ki jwenn yon solisyon pou pwoblèm yon lòt, felisite l epi ankouraje l wè si l ta ka itilize solisyon sa, lè l ap pale ak lòt yo.

Pwoblèm ki ka genyen: Pa gen tan pou prepare 3 oubyen 4 manje chak jou.

o Manman yo ka prepare yon repa cho pa jou a epi sere lòt manje a nan yon kote ki fè frèt, ak yon kouvèti pandan 2 ak 3 zè de tan.

o Manje kolasyon ki pa kwit nan mitan repa yo.

PRATIK EPI ANKADREMAN- 20 minit1. Mande manman lidè yo pou yo pataje ansèyman yo te resevwa jodi a pandan y ap itilize de

(2) premye Paj nan flipchat la.Yo dwe pataje ak yon fanm nan gwoup swen an epi itilize metòd IMSIDE la.

2. Di manman lidè ki koute mesaj sa ta dwe bay lide pa l sou leson an, yon rezon ki fè li panse mesaj sa a ta ka difisil pou li.

3. Manman lidè ki dakò ak mesaj sa a dwe eseye ede yon lòt fanm simonte obstak sa a.4. Aprè dis (10) minit, mande fanm yo pou yo chanje wòl. 5. Ajan sante a dwe gade, korije, epi ede manman lidè ki gen difikilte yo.6. Lè tout moun fin reponn kesyon manman yo genyen sou materyèl yo, oubyen leson jodi a :

MANDE — 2 minitEske nou prè pou nou pran angajman pou nou swiv nouvo pratik nou te diskite jodi a? Mande manman yo pou yo di ak bouch yo ke yo angaje yo.

EGZAMINE— 5 minitMande chak manman lidè sou konpòtman yo te genyen nan de (2) dènye semèn ki sot pase yo, si yo genyen yon timoun ki nan laj 6-12 mwa). Konbyen tan yo te nouri timoun nan chak jou? Ki lè epi Konbyen fwa yo te bay pitit la tete? Eske yo te itilize yon tas oubyen yon bòl pou yo bay pitit la manje? Eske yo te anseye lòt moun pou yo nouri timoun yo ak yon tas, epi pou yo bay timoun yo manje

ak pasyans? Ki aliman yo te itilize yè pou prepare labouyi a? Kisa yo fè si timoun nan refize kèk manje?

18

Page 19: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

LESON 3: PREPARASYON ALIMAN YO NAN LAPWÒPTE & NETWAYAJ

Manman timoun yo ap kapab di kouman pou prepare aliman yo san lapwòpte, epi estoke yo nan yon kote ki pa bon ka fè timoun yo gen malnitrisyon.

o Mikwòb sou manje yo ka lakòz dyare.o Mikwòb nan men timoun yo oubyen nan men moun ki prepare manje a ka lakòz

dyare.o Dlo sal nou itilize pou lave veso oubyen prepare repa a ka lakòz dyare.o Nou ka jwenn ze vè fasil sou fwi ak legim yo.o Mikwòb ki lakòz dyare a ka devlope sou manje kwit ki frèt epi ki rete san kouvri

pandan 3 zè de tan oubyen plis. Manman timoun yo pra l prepare manje nan yon fason ki pwòp epi sen.

o Lave men yo, veso yo, epi kote y ap kwit manje a ak savon oubyen sann anvan yo prepare manje a.

o Lave fwi yo ak legim yo nan dlo pwòp ak savon oubyen sann anvan yo prepare yo. Byen prepare manje a pou ze vè yo ka mouri anvan n manje manje a. Manman timoun yo pra l konsève aliman yo (ki poko ap manje yo) pandan y ap itilize konsèy sa

yo :o Mete aliman yo kote ki frèt –nan yon resipyan pwòp ak kouvèti (oubyen yon twal, ki

mouye). o Konsève aliman nan yon kote ki gen espas kote lè ka antre, men mouch pa ka jwenn

li. o Rechofe rès manje yo anvan nou bay yon timoun li. o Pa konsève rès manje pandan plis ke 3 zè de tan pou yon timoun.o Pa manje manje ki genyen yon sant oubyen yon gou l pat konn abitye genyen aprè l

fin konsève. Manman timoun yo ap kapab ranje oubyen idantifye yon kote ki kouvri pou yo estoke danre

alimantè yo. Manman timoun yo pra l dakò ke malnitrisyon an epi dyare se de(2) pwoblèm grav yo ye ki ka

mete timoun yo sou ris pou gen maladi grav epi rive mouri.

Materyèl1. Rejis prezans

Jwèt: Mwen pa janm — 10 minit1. Mete anpil chèz (oubyen tapi), pou chak manman lidè ka chita. Mete chèz yo (oubyen tapi) nan

yon wonn. Epi, leve yon chèz (oubyen) tapi), yon fason pou tout manman, sof youn, ka chita. Manman sa a se li ka p volontè a.

19

Page 20: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

2. Volontè a ap kòmanse ak jwèt la, l ap mete nan mitan wonn manman lidè yo. Volontè a dwe di kèk bagay li pa t janm konn fè, men li panse lòt manm nan gwoup la konn fè.Tankou egzanp : "M pa t janm al nan kapital la», oubyen «M pat janm gen yon pitit gason", oubyen "M pat janm yon grann".

3. Tout manman lidè ki te fè sa ki te di yo dwe kanpe epi jwenn yon lòt chèz. Manman lidè a pa ka deplase al sou chèz ki sou kote l la, men li dwe ale sou yon chèz ki pi lwen. Volontè a dwe eseye chita tou nan yon nan chèz ki vid yo.

4. Yon moun ap rete san chèz, epi moun sa dwe rete nan mitan epi di kèk bagay li pa janm fè.5. Bi jwèt la se deplase byen vit al sou yon lòt chèz yon fason pou pa rete nan mitan.Volontè a dwe

eseye panse ak lòt bagay anpil lòt manman fè, men li menm li pa fè yo. Jwèt la fèt pi byen lè anpil manman jwenn yon nouvo chèz an menm tan.

6. Kontinye jwe jis tan tout moun jwenn yon chans pou y al nan mitan.

Kounye a nou gen fòs, nou pra l kòmanse leson an.

PREZANS EPI REZOLISYON PWOBLÈM YO – 5 minit1. Ajan sante a ap ranpli rejis prezans pou chak manman lidè pandan l ap swiv menm modèl la, jan l

te ye nan leson 1 an. 2. Ajan sante a ap mande si pat gen manman lidè ki te gen pwoblèm ak manman ki sou sipèvizyon

yo a pandan reyinyon ki sot pase a. 3. Ajan sante a ap ede rezoud pwoblèm yo te di yo.4. Ajan sante a ap remèsye tout manman lidè yo pou gwo travay y ap fè a epi l ap ankouraje yo

kontinye.5. Mande chèf aktivite gwoup la pou l diskite sou atik premye nesesite pou aktivite semèn k ap vini

an epi mande lòt benevòl.

Vè epi maladi (Desen 9) — 5 minit

[ManmanB] ap fòse swiv nouvo pratik li te aprann yo. Li prepare labouyi, manje fanmi an epi kolasyon pou pitit li men pitit la malad souvan epi l pèdi pwa. Pafwa l gen dyare pandan plizyè jou epi l pèdi lapeti. Pafwa, manman an wè vè nan poupou pitit la. Bèlmè [Manman B] a (oubyen lòt manm nan fanmi an) di ( Manman B] a pou l pa pè.Tout timoun gen maladi a. Dyare a pa twò grav, li pa

20

Page 21: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

bezwen pè pou bagay sa yo.

MANDEKisa nou panse de sa Bèlmè [Manman B] a di a? Nou kwè ke dyare se yon gwo pwoblèm? Eske nou wè kèk bagay sou foto sa ki ta ka fè n wè pouki rezon timoun nan toujou malad ?

Ankouraje diskisyon an. Pa korije "move repons yo."Kite chak moun di sa yo panse.An nou konpare pratik nou yo ak pratik [Manman A] a.

Aliman sal epi men sal (Desen 10) — 5 minit

MONTREKisa nou wè sou foto sa a?

Timoun nan mete manje sal nan bouch li (manje sal epi frèt, epi men sal). Timoun nan ap kapab vin gen maladi dyare, oubyen maladi vè. Sou dènye foto a, nou wè de (2) bagay ki ka fè gen malnitrisyon. Gen yon gwo vant vè

lakòz. Li ka vini mens anpil tou, paske li pa resevwa ase nitriman nan manje l.

ESPLIKE : Gen anpil fason yon timoun ka atrape maladi epi dyare.

21

Page 22: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Fason ki pi komen an se bagay timoun nan ap mete nan bouch li. Manje manje san kouvri, frèt ki rete pandan plis ke 3 zè de tan ka pwovoke maladi a. Itilize men sal pou manje ka pwovoke maladi a. itilize men sal pou prepare manje ka

lakòz maladi tou. Bagay sa yo anpeche yon timoun grandi epi mete l nan kondisyon pou l fè malnitrisyon. Bagay kontamine yo (oubyen bagay sal sou manje epi men) bay timoun yo dyare epi vè

pafwa.

Nou panse ke fanmi yo ka fè kèk bagay pou pwoteje pitit yo kont malnitrisyon? Kouman?

Ankouraje diskisyon an. Ajoute kèk lòt bagay nan sa yo ki pat di. Bagay manman yo ap fè ka fè yon gwo diferans nan lavi yon timoun. Chak vi sakre, epi gen anpil valè. Lavi timoun nan dwe pwoteje kont tout danje. Lè nou pran swen epi nou adopte pratik ki sen yo, nou ka non sèlman ede yo sipòte

maladi men tou ede yo sove.

Lave men yo,aliman epi veso yo. (Desen 11) — 5 minit

MONTREKisa nou wè sou foto sa a? [Manman A] a lave tout asyèt yo epi veso l ap gen bezwen yo ak dlo epi savon.

22

Page 23: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

[Manman A] a, lave fwi epi legim yo ak dlo trete anvan l kwit yo. [Manman A] a asire l ke pitit li a lave men l ak dlo ak savon anvan l manje oubyen touche manje

yo.

ESPLIKE : Lave ak savon ak dlo netwaye salte, ze vè yo epi lòt bagay ki ka pote maladi nan manje

epi veso nan kwizin yo. Dlo a pa sifi pou netwaye men yo, men se sèlman savon ki tiye mikwòb ki mennen

maladi yo. Moun k ap fè manje yo dwe lave men yo ak dlo epi savon anvan yo prepare manje epi

bay yon timoun manje. Responsab swen timoun nan (oubyen moun k ap ede yon timon manje) dwe lave men

timoun nan ak dlo epi savon anvan timoun nan kòmanse manje.

Byen prepare manje yo epi kouvri yo (Desen 12) — 5 minit

MONTREKisa nou wè sou foto sa a?

23

Page 24: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

ESPLIKE : Manje ki pa fin kwit yo (ki cho jis nan mitan) ka gen ze vè la dan yo. Ze vè tye lè manje

a cho jis nan mitan (epi menm mitan manje a). Fanmi an dwe manje aliman ki kwit pandan yo tou cho. Pa kite aliman likid yo(tankou

soup oubyen labouyi) vin frèt anvan nou manje yo. Kouvri manje yo jis lè nou pra l manje yo. Lè nou fin manje, rès yo dwe kouvri ak yon

twal oubyen yon kouvèti, pou mouch pa poze sou manje a. Mouch yo kite poupou yo epi salte tou piti ke je pa ka wè sou manje yo touche yo.

Konsève manje yo nan yon kote ki fre, lwen sòl la. Kouvri manje yo ak yon napon mouye k ap pèmèt yo rete fre.

Toujou rechofe manje yo jistan mitan yo vin cho (oubyen likid la bouyi) anvan nou manje yo.

Si amwa a fèt an bwa. Mete yon ti bwat konsèv anba chak pye yo.Tèmit yo pa renmen metal epi yo pap ka moute sou bwat la pou y al nan amwa a. Son ap pèmèt bwat la pwoteje oubyen gad manje a.

Konbyen tan nou dwe konsève rès manje yo?• Jete manje ki rete nan lè lib yo pandan plis ke 3 zè de tan yo. • Rechofe manje likid yo tankou : labouyi oubyen soup ki te sere. Si likid yo te

konsève pandan plis ke 3 zè de tan, jete yo. • Manje solid yo ka manje frèt (tankou pòmdetè kwit) si yo te kouvri e sere nan yon

kote fre pou 3 zè de tan pi plis. Aprè 3 zè, yo ta dwe jete yo.

Aktivite: Kouvèti manje yo — 15 minit1. Montre plizyè tip kouvèti ke fanm yo ta ka itilize pou kouvri manje.2. Si l bon, montre kòman nou ta ka genyen yon kouvèti ki di ak pay oubyen ajil. Pay la oubyen kad

an bwa a ka kouvri ak yon twal pou anpeche mouch antre nan manje a.Twal la dwe mete sou kad la, san l pa touche manje ki anba l la.

SONDE — 10 minitKisa nou panse de lide sa yo?Nou panse ke konsèy sa yo ta ka difisil pou nou swiv? Eske gen kèk bagay ki ta ka anpeche nou swiv oryantasyon sa yo?

Mande manman an pou l pale ak yon fanm ki chita sou kote l la pandan 10 minit k ap vini yo.Yo ta dwe pataje pwoblèm pèsonèl yo genyen ak nouvo pratik sa yo. Ansanm, yo ta dwe eseye jwenn solisyon ak pwoblèm sa yo. ENFÒME — 5 minitEde yo jwenn solisyon ak pwoblèm yo. Ankouraje yo eseye nouvo pratik sa yo. Si yon fanm bay yon solisyon ak pwoblèn yon lòt fanm, felisite l epi ankouraje lòt yo pou yo wè si yo ta ka itilize solisyon an, lè y ap pale ak lòt yo.

PRATIK EPI ANKADREMAN - 20 minit

24

Page 25: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

1. Mande manman lidè yo pou yo pataje ansèyman yo te resevwa jodi a pandan y ap itilize 2 premye paj flipchat la. Li dwe pataje ak yon fanm nan gwoup swen an epi itilize metòd IMSIDE la.

2. Di manman lidè yo ke sa k tande mesaj sa ta dwe di kisa l panse ak leson an, yon rezon ki fè li panse ke mesaj sa a ta ka difisil pou li.

3. Manman lidè a dwe eseye ede lòt fanm nan simonte obstak sa. 4. Aprè dis(10) minit, mande fanm yo pou yo chanje wòl. 5. Ajan sante a dwe gade, korije, epi ede manman lidè ki gen difikilte yo.6. Lè tout moun fin reponn kesyon manman yo sou materyè l yo oubyen leson jodi a.

MANDE — 2 minitEske nou prè pou nou pran angajman pou n swiv nouvo pratik nou te diskite jodi a?

Mande manman yo pou yo di ak bouch yo ke yo angaje yo.

EGZAMINE — 5 minitMande chak manman lidè sou konpòtman yo nan 2 dènye semèn ki sot pase yo :

Si l gen yon timoun ki nan laj 12-18 mwa : Eske l te ogmante manje prèske yon tas (3/4) nan chak repa? Eske l te bay timoun nan manje pou pi piti 4 fwa pa jou? Ki lè l te bay pitit la tete? Poze l kesyon sou manje l te bay pitit la manje yè. Eske manje a te gen aliman ki rich ak fè,

labouyi, kolasyon, epi aliman ki rich ak vitamin A?

Si l gen yon timoun ki nan laj 18-24 mwa : Eske l ogmante manje a ak yon tas plen nan chak repa? Eske l te bay timoun nan manje pou piti 5 fwa chak jou? Poze l kesyon sou manje l te bay timoun nan yè. Eske manje a te genyen aliman ki rich ak fè,

labouyi, kolasyon, epi aliman ki rich ak vitamin A, fwi epi legim?

25

Page 26: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

LESON 4: VITAMIN A

• Manman yo ap kapab di ki objektif vitamin A a.o Vitamin A a pwoteje kont enfeksyon epi maladi, epi li kontribye pou anpeche maladi avèg.

• Manman an pra l mennen pitit yo nan sant sante pou y al resevwa grenn vitamin A nan bon moman. o Manman yo ta dwe resevwa yon grenn vitamin a nan 8 semèn ki swiv akouchman yo.o Nan laj 6 mwa, timoun yo dwe resevwa premye dòz vitamin A yo. Yo dwe kontinye resevwa

vitamin A a chak kat (4) mwa pou pipiti jistan yo gen laj senk (5) lane. o Si Timoun nan gen yon gwo enfeksyon, li dwe resevwa yon tretman ak vitamin A.o Bay timoun nan manje ki gen anpil vitamin A lè l malad, oubyen li soufri malnitrisyon, dyare,

oubyen tout lòt gwo enfeksyon (pandan epi aprè maladi a). • Manman yo pra l ogmante kantite manje ki rich ak vitamin A nan rejim alimantè timoun yo.

o Manman yo pra l itillize plis lwil vejetal (ki pa kwit).o Manman yo pra l itilize fwi ki gen koulè zoranj oubyen jòn anndan yo kou deyò yo. Fwi

tankou: mango, papay, patat dous, gwayav, tomat, joumou, mandarin, zoranj konmen, epi zoranj dous.

o Lè aliman yo kwit sa diminye kantite vitamin A yo genyen an. Kwit legim yo nan yon ti kras tan anvan nou manje yo, oubyen manje yo tou kri (apre yo fin lave ak dlo pwòp).

o Manman yo pra l itilize legim fèy vèt tankou: fèy joumou, epina.o Manman yo pra l ajoute fwa bèt, ze, anndan bèt, pwason, epi vyann wouj nan manje yo pi

souvan.• Manman yo pra l kapab idantifye manje ki gen anpil vitamin A nan mache yo.• Manman yo pra l kwè yo gen ase lajan pou yo fè manje nitritif pou pitit yo. Y ap aprann kouman

pou yo achte aliman ki pap koute yo anpil lajan.

MO LESON AN : «Sa nou fè yo afekte lavi pitit nou yo. »

Materyèl : 1. Modil pwomotè a2. Rejis prezans 3. Yon ti boul nou ka fè byen vit ak papye.

Jwèt : Voye papye — 10 minit

1. Voye boul la bay yon manman lidè epi bay yon non yon sijè leson nou te pase deja.

26

Page 27: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

2. Sijè yo se : Alètman matènèl esklizif, swen timoun piti, nitrisyon manman, alimantasyon konplemantè, kolasyon nitritif, epi prevansyon anemi.

3. Lè manman lidè a pran boul la, li dwe di twa (3) mesaj li te aprann nan sijè sa a. Aprè l fin bay twa non bagay yo, li pra l voye boul la sou yon lòt manman nan gwoup la.

4. Manman lidè sa dwe di twa (3) bagay ki gen rapò ak tèm sa a.5. Kontinye voye boul la jistan li jwenn nouvo bagay pou l di sou sijè a. Epi, bay yon lòt sijè epi

voye bou l la. 6. Tankou egzanp : si ajan sante a voye boul la epi anonse alètman matènèl, premye manman

lidè a ki gen boul la ta dwe di : manman yo ta dwe bay pitit yo tete sèlman san anyen depi yo fèk fèt jistan yo gen 6 mwa, (2) Lèt manman toujou pi bon ke bibwon, (3) Manman timoun 6-12 mwa yo dwe toujou ba yo tete anvan l ba yo manje . Epi, l ap voye boul la sou yon lòt manman lidè. Manman lidè sa a dwe bay twa lòt mesaj sou alètman matènèl.

7. Voye boul la pandan 5 minit, oubyen jistan tout manman lidè jwenn chans pou yo pale.

PREZANS AK REZOLISYON PWOBLÈM— 15 minit1. Ajan sante a ap ranpli fich prezans pou chak manman lidè pandan l ap swiv menm modèl la, jan l

te ye nan jwèt wòl modil 1, leson 1 an.2. Ajan sante a ap mande si pa gen kèk manman lidè ki te gen pwoblèm lè yo t ap fè rankont ak

vwazen yo. 3. Ajan sante a ap ede rezoud pwoblèm yo te genyen yo.4. Ajan sante a ap remèsye tout manman lidè yo pou travay di yo fè a epi l ap ankouraje yo pou yo

kontinye. 5. Mande chèf aktivite gwoup la pou l diskite sou atik li bezwen pou aktivite semèn k ap vini yo epi l

ap mande lòt volontè.

Twò chè (Desen 13) — 5 minit

[Manman B] a te tande gwoup swen an te di li dwe ajoute manje ki gen plizyè koulè nan repa l yo. Li jwenn yon machann k ap vann aliman ki gen koulè wouj, zoranj epi jòn. Machann nan di l ke aliman

27

Page 28: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

sa yo ede timoun rete an bòn sante. An tou ka, li gade aliman yo, li pè. Li paka pèmèt li pou l achte fwa zannimo, kawòt, mango epi joumou jòn chak semèn menm si l ap kenbe timoun nan an bòn sante.’’ M pa ka posede aliman sa yo’’, se sa l di. Li soti kot machann nan li panse ke l te genyen plis lajan nan pòch li.

POZE KESYONKisa nou panse de pwoblèm [Manman B]a? Eske w konn jwenn ou nan pwoblèm sa yo pafwa? Ki konsèy w ap bay [Manman B]a ?

Ankouraje diskisyon an. Pa korije "Move repons yo."

An nou gade kisa [Manman A]a konseye.

Manje ki rich ak vitamin A (Desen 14) — 5 minit

MONTREKisa nou wè sou foto sa a?

Aliman sa yo ede timoun yo rete an bòn sante. Chak aliman yo pa genyen menm kantite vitamin A. Fwa zannimo, vyann wouj, pwason, patat dous, epi papay gen pi plis vitamin A. Lwil vejetal, bannann miske, epi pwa genyen vitamin A, men pa menm jan ak vyann wouj,

pwason, patat dous, epi papay. Legim fèy vèt fonse yo tannkou epina, fèy pwa, yo gen vitamin A, men pa menm jan ak vyann

wouj, pwason, patat dous, papay, lwil vejetal epi bannann miske.

28

Page 29: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Mango gen vitamin A, men pa men jan ak tout lòt aliman nou te site an wo yo.

Kiyès nan aliman sa yo ki gen plis vitamin A epi ki koute pi piti kòb?

Ankouraje diskisyon an ak pri lokal yo pou chak bagay. Eseye chwazi youn oubyen de (2) aliman ki pa koute chè epi ki rich ak vitamin A.

ESPLIKE : Tout aliman sa yo yo genyen vitamin A ladan yo ki pwoteje kont maladi.Vitamin A kenbe

timoun yo an bòn sante. Manman yo dwe mete manje ki rich ak vitamin A, pou pi piti yon fwa chak semèn .Yo gen

anpil vitamin A yo pa bezwen manje yo souvan. Manman yo kapab chwazi achte tou yon aliman ki pa gen anpil vitamin A, men mete l nan

manje timoun nan chak jou oubyen plizyè fwa chak semèn. Anpil manje ki rich ak vitamin A yo gen koulè zoranj oubyen jòn anndan epi deyò yo. Lè legim yo kwit, kantite vitamin A vin pi piti. kwit legim yo nan yon ti tan tou piti anvan nou

manje yo. Si sa pa deranje nou pou manje legim yo tou kri san yo pa kwit, yo gen anpill vitamin A ladan

yo. Fwi si ki mi yo pèdi yon pati nan vitamin A yo tou. Eseye manje yo anvan yo twò mi.

Avèg lè solèy fenk kouche (Desn 15) — 5 minit

MONTREKisa nou wè sou foto sa a?

29

Page 30: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Yon gason k ap tribiche nan nwit (avèg nan lannwit). Yon je gen tach sou blan je a. Lòt je a pa swa, li gen yon posyon bagay ki gonfle sou li.

ESPLIKE : Yon siy manke vitamin A nan kò a se pa wè nan lannwit. Si moun ki gen maladi pa wè nan lannwit pa pran manje ki gen anpil vitamin A epi sipleman

vitamin A tou swit, je yo kapab domaje. Ka gen tach blanch ki fòme sou pati blanch je yo. Si manke vitamin A kontinye, timoun oubyen gramoun nan ka vin avèg pou toutan ak yon

mak k ap chanje fòm je l. Vitamin A anpeche sesite a epi kenbe je yo an bòn sante. Anpil timoun gen yon fòm karans ak vitamin A ki pa grav. Li pa montre siy pa wè nan lannwit

ni fòm mak nan ye yo, men yo malad souvan ak anpil lòt kalite maladi.

Pouki sa li enpòtan pou manman oubyen responsab swen timoun yo chache tretman pou timoun yo lè yo wè youn nan siy sa yo?

Avèg lannwit la se yon kòz manke vitamin A ki se yon siy ki vle di kò a bezwen èd. Si pa gen swen touswit, timoun nan ka pèdi je l (pa wè) pou toutan. Kòm manman, sa nou fè ka fè yon diferans nan sante pitit nou epi nan lavi yo.

Sipleman vitamin A (grenn) (Desen 16) — 5 minit

MONTREKisa nou wè sou foto sa a? • [Manman A] a ap resevwa yon dòz vitamin A nan men doktè a. • Timoun nan resevwa yon grenn vitamin A chak 4 mwa jistan l gen 5 lane.

30

Page 31: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

• Timoun nan ap resevwa yon grenn vitamin A, si l gen lawoujòl oubyen yon lòt gwo maladi.

ESPLIKE :

• Yon manman dwe resevwa nan men enfimyè a yon grenn vitamin A nan 8 premye semèn apre l fin akouche. Sa ap ede sante pa l epi tou sa ap pèmèt ke lèt manman an gen ase vitamin a pou pitit li a.

• Sou 6 mwa laj, timoun yo dwe resevwa premye dòz vitamin A yo epi resevwa yon dòz chak 4 mwa jistan l gen pou piti 5 lane.

• Timoun ki gen lawoujòl yo, yon enfeksyon grav, oubyen gwo malnitrisyon dwe ale nan sant sante pou yo ka fè yon tretman espesyal ak vitamin A pou yo.

• Timoun malad yo tou dwe kontinye manje anpil aliman ki rich ak vitamin A pandan epi apre maladi a pou ede yo repran pwa yo.

• Vitamin A pwoteje kont maladi.Vitamin A patisipe tou nan diminisyon soufrans depi yo koumanse.

Aktivite: Idantifye aliman ki rich ak vitamin A yo. — 15 minit1. Fè yon vire nan mache bò lakay ou a, jaden potaje lokal yo epi jan legim yo etale. Si mache a twò

lwen, mande chak manman pou yo mennen fwi ak legim yo itilize pou fè manje lakay yo. Ankouraje gwoup la pou l klase legim yo, y AP mete an premye SA ki genyen plis vitamin A yo anvan, epi SA k gen pi piti yo (oubyen ki pa gen ditou) an ba.

2. Idantifye aliman ki gen anpil vitamin A yo. 3. Diskite sou pri aliman yo ; ede fanm yo idantifye aliman yo ka plis achte yo-Oubyen aliman ki pi

chè yo men yo ta ka achte yo yon lè konsa.

SONDE — 10 minitKisa nou panse de lide sa yo? Nou panse ke konsèy sa yo ta ka difisil pou nou swiv?Eske gen kèk bagay ki ta ka anpeche nou swiv oryantasyon sa yo?

Mande manman an pou l pale ak yon fanm ki chita bò kote l la pandan 5 minit.Yo ta dwe pataje pwoblèm pèsonèl yo genyen ak nouvo pratik sa yo. Ansanm, yo ta dwe eseye jwenn solisyon ak pwoblèm yo. Apre 5 minit, mande manman yo pou yo pataje sa yo te sot diskite a.

ENFÒME — 5 minit

Ede yo jwenn solisyon ak pwoblèm yo. Ankouraje yo eseye nouvo pratik sa yo. Si yon fanm jwenn yon bon solisyon ak pwoblèm yon lòt fanm, felisite l ; epi ankouraje lòt yo itilize solisyon an, lè y ap diskite ak yo.

PRATIK EPI ANKADREMAN-20 minit

1. Mande manman lidè yo pou yo pataje ansèyman yo te aprann jodi a pandan y ap itilize de (2) premye paj flipchat la.Yo dwe pataje ak yon fanm nan gwoup swen an epi itilize metòd IMSIDE la.

2. Di manman lidè ki tande mesaj la ta dwe di sa l panse de leson an, yon rezon l panse ke mesaj sa ta ka difisil pou li.

3. Manman lidè ki pataje mesaj la dwe eseye ede fanm yo simonte obstak sa yo. 4. Apre di (10) minit, mande fanm yo pou yo chanje wòl.5. Ajan sante a dwe gade, korije, epi ede manman ki gen difikilte yo. 6. Lè tout moun fin reponn kesyon manman yo genyen sou materyèl yo, oubyen leson jodi a :

31

Page 32: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Mande — 2 minit

Eske nou pare pou nou pran angajman pou nou swiv nouvo pratik nou te diskite jodi a?

Mande manman an pou l di ak bouch li ke l angaje l.

Egzamine — 5 minitMande chak manman lidè youn pa youn ki manje yo te prepare pou pitit yo yè.

Eske yo te lave men yo ak dlo epi savon anvan yo te prepare manje a? Eske yo te lave men timoun yo ak dlo epi savon anvan yo te ba yo manje? Eske yo te lave aliman yo ak dlo trete anvan yo te prepare manje a? Eske yo te kouvri rès manje yo? Eske yo te chofe rès manje kwit yo jistan yo bouyi oubyen anndan yo cho anvan yo itilize yo? Nan dènye semèn yo, eske yo te jete manje ki te rete pandan plis ke 3 zè de tan yo ?

LESON 5: ALIMAN KI RICH AK ELEMAN NITRITIF

Manman yo ap konnen enpòtans pou ogmante manje yo epi sipleman fè pandan tan y ap bay tete a.

Manman yo pra l bay timoun ki gen plis ke 12-23 mwa yo oubyen plis yo kantite ak kalite manje nan chak repa epi chak jou :

o Ajoute lwil nan manje a li bay enèji. o Manje manje ki gen anpil vitamin A plizyè fwa chak semèn, tankou : mango, papay,

patat dous, legim fèy vèt tankou epina, epi lòt fèy nou te site pi wo yo.Vitamin A pwoteje timoun yo kont maladi.

o Manje manje ki rich ak fè, tankou : legiminez yo (tankou pwa, ti pwa), anndan zannimo (fwa, sèvèl), vyann wouj, epi legim fèy vèt fonse tankou : fèy joumou, epi lòt fèy vèt nou te site an wo yo. Fè a ede nan lit kont maladi epi ede timoun yo byen grandi.

o Manje fwi epi legim tankou: zoranj, sitwon, tomat, zaboka, papay, anana, mango chak jou. Yo gen vitamin C ki ede timoun yo itilize pi byen fè a.

o Manje legiminez (pwa, soya, epi pistach), ti pwa, ze, vyann epi volay oubyen pwason pi souvan ke n kapab.Yo genyen pwoteyin ki ede timoun yo grandi.

o Itilize sèl yode pou prepare manje, sitou pou timoun yo ak fanm ansent yo. o Yòd ap ede sèvo timoun yo devlope pou yo ka pase lekòl pi byen.

Manje bèt lanmè frèch (krab, lanbi, oma)…si genyen yo. Manman yo pra l evite prepare aliman ki gen twò piti oubyen ki pa gen ditou valè nitritif pou

timoun yo. o Aliman ki pa pèmèt kò a itilize fè, tankou : te, kafe, kakawo, bwason sikre epi ki pa

gen anpil eleman nitritif. Manman yo pra l kapab prepare yon manje ki rich ak eleman nitritif pou pitit yo.

32

Page 33: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

MO LESON AN : «Prepare manje nitritif pou timoun yo anpeche malnitrisyon, epi sa mache. »

Materyèl : 1. Rejis prezans2. Modil 2 ajan sante a

Jwèt: Memwa — 10 minit1. Mande fanm yo pou yo kanpe nan yon wonn. 2. Koumanse ak yon sèl fanm, li dwe fè yon deklarasyon epi touche yon pati nan kò li. 3. Deklarasyon an pa dwe koresponn ak aksyon ke l ap fè a.Tankou egzanp; l ap di:’’sa se nen m’’epi

lap manyen zòrèy li. 4. Fanm nan, ki kanpe sou kote l la dwe repete mo yo epi fè aksyon yo, epi ajoute yon lòt

deklarasyon epi yon aksyon ki pwop ak li menm. 5. Kontinye al nan wonn nan ak chak fanm epi di deklarasyon yo epi fè aksyon tout moun anvan l epi

ajoute yon nouvo. 6. Si yon moun bliye, oubyen fè yon fot, li dwe chita. 7. Dènye fanm ki kanpe a se li ki genyen.

Kounye a nou gen fòs, nou pra l koumanse rewè travay nou te fè nan 2 semèn ki sot pase yo.

PATISIPASYON EPI REZOLISYON PWOBLÈM YO - 5 minit1. Ajan sante a ap ranpli fich prezans pou chak manman lidè pandan l ap swiv menm modèl la,

tankou l te ye nan jwèt wòl modil 1, leson 1 an. 2. Ajan sante a ap mande si youn nan manman lidè yo pat gen pwoblèm nan reyinyon ak vwazen l

yo. 3. Ajan sante a ap ede yo rezoud pwoblèm yo te di yo.4. Ajan sante a ap remèsye tout manman yo pou travay di y ap fè a epi l ap ankouraje yo pou yo

kontinye.5. Mande chèf aktivite gwoup la pou l diskite sou atik l ap bezwen pou semèn k ap vini yo epi mande

lòt volontè. 6. Mande gwoup la pou yo chwazi yon lòt chèf aktivite ki pra l responsab pou kòdone founiti epi

preparatif pou aktivite nan lòt modil ki gen 6 leson an. Li pra l fè yon fason pou chak volontè pote youn oubyen plizyè atik yo bezwen pou aktivite l yo. L ap vini 10 minit anvan lè nan chak reyinyon yo pou pwomotè a ka ba li lis atik li te bezwen yo epi esplike l pou lòt leson ki aprè a. Chèf aktivite a pra l mande kounye a volontè ki pare yo pou yo mete atik yo te bezwen yo pandan seksyon « patisipasyon ak rezolisyon pwoblèm yo ». L ap ede pwomotè a tou nan jounen aktivite a. Yon lòt chèf aktivite ap eli apre sis(6) leson sa yo fini.

33

Page 34: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Wè fè nou kwè(dakò) (Desen 17) — 5 minit

Mari [Manman B] a wè [manman B] a ap mete anpil lòt kalite aliman nan repa fanmi an. Menm si anvan li pat dakò ak aliman sa yo, li koumanse wè timoun ni yo chanje. Gason an te vin gen fòs li. Li vin geri byen vit de maladi l la epi li te rete an bòn sante. Konsa, tout manm fanmi an vin sanble pi sen ak nouvo manje yo te manje yo. « nan koumansman an m pat kwè ke nouvo manje sa yo ta p kapab ede timoun yo, li di. Men kounye a, mwen wè chanjman yo, epi mwen kwè ».

POZE KESYONEske nou te wè bon chanjman nan lasante pitit nou yo? Kouman sa te ankouraje nou? Ki kalite manje nou panse nou ta ajoute nan aliman pitit nou yo chak semèn? Ankouraje diskisyon an. Pa korije "move repons yo." Se pou tout moun pale. An nou konpare lide nou yo ak lide [Manman A] a.

34

Page 35: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Malnitrisyon (Desen 18) — 5 minit

MONTREKisa nou wè sou foto sa a? Premye timoun nan pa gen aliman ki rich ak nitriman. Menm si l sanble byen manje, kò li pa gen

tout nitriman l bezwen yo. Nan dezyèm foto a, nou wè timoun sa te gen lawoujòl. Epi, nou wè timoun nan te pèdi pwa. Pou fini nou wè timoun nan vin malnitri anpil.

Kisa ki fè timoun nan pèdi pwa konsa?

Ankouraje diskisyon an.

ESPLIKE : Nan premye foto a, nou wè ke tout manje yo se menm bagay pou timoun nan. Manje li pa

genyen aliman nitritif tankou pwa, oubyen planten. Maladi antre sou li paske kò li pat gen ase fòs pou l konbat yo.

Aliman ki pa gen nitriman yo fè l vin pi fasil pou trape maladi. Maladi a fè timoun nan pa grangou epi l pa anvi manje. Timoun nan koumanse pèdi plis pwa. Kò l kontinye ap gen difikilte pou konbat maladi. Li

kontinye ap malad epi manje pi piti. Nan dènye faz la, li vin malad anpil epi li andanje lanmò. Mal manje lakòz li pèdi pwa epi l andanje lanmò.

Eske w panse ke manman an dwe chanje fason l bay pitit li yo manje?

35

Page 36: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Poukisa? • Lavi timoun nan gen anpil valè epi l merite sa. • Desizyon la p pran yo ka sove lavi timoun nan.

Aliman ki rich ak eleman nitritif pou timoun nan laj 12-23 mwa (Desen 19)- 5 minit

MONTRE

Kisa nou wè sou foto sa a? Foto sa a montre nou aliman ki gen anpil nitriman ki kapab ede timoun yo reziste kont maladi

malnitrisyon. o Aliman ki rich ak vitamin A se : mango, papay, patat dous, epi legim fèy vèt fonse tankou

fèy manyòk. Vitamin A a pwoteje kont maladi epi avèg. o Aliman ki rich ak fè yo se : legiminez, zoranj, anndan bèt, epi lòt vyann wouj, epi legim

fèy vèt fonse tankou epina ak lòt fèy nou te site an wo yo.o Aliman ki rich ak vitamin C yo ogmante antre fè a nan kò a. Gen ladan yo : zoranj,

sitwon, tomat, zaboka, papay, gwayav, mandarin, chadèk, berejèn, anana, kè bèf epi mango.

o Aliman ki rich ak proteyin yo gen ladan yo : pwa, soya, pistach, ti pwa, mayi, diri, ble, pitimi, ze, vyann, volay, epi pwason. Proteyin yo ede ranfòse kò a.

o Sèl yode oubyen bèt lanmè yo kontribye pou ogmante kantite yòd nan kò a. Yòd la ede timoun yo reyisi pi byen lekòl.

o Ajoute lwil vejetal nan repa yo chak jou. Kèk ti kiyè lwil bay enèji anplis.

36

Page 37: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

ESPLIKE : Bay timoun nan aliman nan chak kalite manje yo nan repa fanmi an. Si w paka itilize tout

kalite manje yo nan yon repa, ajoute aliman ki manke yo nan kolasyon w ap bay yo. Sa ap pèmèt ou kenbe timoun nan an bòn sante epi byen manje.

Aliman ki nan plizyè kalite manje yo gen anpil engredyan. Si w itilize youn nan manje sa yo, ou pa bezwen mete lòt eleman nitritif nan menm kalite sa a ankò.

Tankou egzanp, Ren an gen anpil vitamin A epi fè ladan l. Pwason yo gen anpil pwoteyin, vitamin A epi fè. Legim fèy vèt fonse yo gen vitamin A epi fè. Mango gen vitamin A epi vitamin C.

Eske gen aliman ki pa gen valè ditou epi nou pa ta dwe bay timoun yo li? Timoun yo pa bezwen bwason ki dous anpil, tankou: kafe, te, bwason gazez. Bwason sa yo pa gen okenn bagay ki pou nouri kò a epi nou pa dwe bay timoun yo li.

MONTRE Ki sa nou wè sou foto sa a?

Sou premye tab la nou gen yon resèt ki fèt ak foufou ki se yon melanj farin mayi epi farin manyòk, vyann, pwa, sitwon, zaboka, yon sachè sèl yode, yon louch, yon vè epi yon bwat tomat vid.

Sou dezyèm tab la nou wè yon resèt ki gen ladan : diri, pwason, fèy manyòk, moso zoranj, moso papay, sache sèl yode, louch, vè, epi bwat tomat vid.

Ki eleman nitritif enpòtan ki nan repa sa yo?

Ankouraje diskisyon an. Vyann wouj, pwa epi fèy manyòk gen anpil fè. Aliman yo ede timoun yo pa fè maladi anemi

epi fè san timoun yo vin fò. Sitwon, zoranj, papay ak tomat nan sòs vyann nan, pwason epi pwa gen anpil vitamin C.

Aliman sa yo ede kò a itilize fè a. Lwil palm wouj la ki nan sòs vyann nan, pwason, epi nan fèy manyòk yo, zoranj, papay epi fèy

manyòk yo gen anpil vitamin A. Aliman sa yo pwoteje timoun yo kont maladi epi avèg. Vyann, pwason epi pwa gen anpil pwoteyin. Aliman sa yo ede timoun yo grandi epi reprann

yo vit apre yo leve anba yon maladi. Sèl yode ki nan resèt vyann nan, pwason, pwa, epi fèy manyòk, ede pou anpeche karans yòd

(manke yòd). Lwil palm wouj ki genyen nan sòs vyann nan, pwason, pwa, epi fèy manyòk yo ogmante enèji

timoun nan.

Ki etap pou nou swiv pou nou prepare repa sa yo?

Ankouraje diskisyon an epi chache yon antant ak manman yo.Eske l enpòtan pou manman k ap bay tete yo gen yon rejim alimantè nitritif?

ESPLIKE : Lèt manman an toujou se prensipal sous manje. Si manman an manje bon aliman nitritif epi resevwa sipleman fè, sa ap ede l rete non sèlman

an bòn sante pandan l ap bay tete a men tou sa ap pèmèt lèt manman an gen anpil eleman nitritif.

Nitriman siplemantè yo ap ede manman an rete an bòn sante tou pandan l ap bay tete a. An

37

Page 38: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

plis aliman nitritif yo, manman yo ta dwe bay timoun nan tete chak fwa l mande l pandan 2 lane oubyen plis.

Aktivite: Preparasyon yon jounen manje — 15 minit 1. Mande chak manman lidè pou yo planifye 3 repa fanmi epi 2 kolasyon pou yon timoun ki nan laj

18-23 mwa ak fanm ki chita bò kote l la. 2. Li ta dwe fè yon fason pou chak repa yo rich ak nitriman epi ak yon pri ki abòdab. Si gen kèk

aliman ki manke nan repa a, yo kapab ajoutel tankou nan kolasyon oubyen pita nan jounen an. 3. Yo gen 10 minit pou diskite epi deside sou aliman pou yon jounen.4. Apre 10 minit, ajan sante a ta dwe mande chak gwoup pou yo fè rapò repa yo a. 5. Tande byen pou aliman ak vitamin A yo, fè, vitamin C epi pwoteyin epi kolasyon nitritif yo.

SONDE— 10 minitKisa nou panse de lide sa yo?Nou panse ke konsèy sa a ta ka difisil pou nou swiv?Eske gen kèk bagay ki ta ka anpeche w swiv oryantasyon sa yo?

Mande manman an pou l diskite ak yon fanm ki chita sou kote l la pandan senk (5) minit.Yo ta dwe pataje pwoblèm pèsonèl yo genyen ak pratik sa yo. Ansanm, yo ta dwe eseye jwenn solisyon ak pwoblèm sa yo. Aprè 5 minit, mande manman lidè yo pataje sa yo te diskite a.

ENFÒME — 5 minitEde yo jwenn solisyon ak pwoblèm yo. Ankouraje yo eseye nouvo pratik sa yo. Si yon fanm jwenn yon solisyon ak pwoblèm yon lòt fanm, felisite l epi ankouraje yo wè si yo ka itilize solisyon an, lè y ap pale ak lòt manman yo.

PRATIK AK ANKADREMAN — 20 minit1. Mande manman lidè yo pou yo pataje ansèyman yo te aprann jodi a pandan y ap itilize 2

premye paj nan bwat imaj yo a.Yo dwe pataje ak yon fanm nan gwoup swen an epi itilize metòd IMSIDE la.

2. Di manman lidè ki tande mesaj la li ta dwe di sa l panse de leson an, youn nan rezon li panse ke mesaj sa a ta ka difisil pou li.

3. Manman lidè ki pataje mesaj sa dwe eseye ede lòt fanm nan simonte obstak sa a. 4. Apre di (10) minit, mande fanm yo pou yo chanje wòl. 5. Ajan sante a dwe gade, korije, epi ede manman lidè ki gen difikilte yo. 6. Lè tout moun fin reponn kesyon manman yo genyen sou materyèl yo, oubyen leson jodi a.

MANDE — 2 minitEske nou pare pou nou pran angajman nou pou nou swiv nouvo pratik nou te diskite jodi a? Mande manman yo pou yo fè yon deklarasyon ak bouch yo ke yo angaje yo.

EGZAMINE — 5 minitMande chak manman lidè yo youn apre lòt sou konpòtman yo te genyen nan 2 semèn ki pase yo :

Chak konbyen tan pitit ou a te resevwa sipleman vitamin A? Ki aliman ou te bay pitit ou a yè ki gen vitamin A ladan l ? (Si timoun nan te malad) Eske w te ajoute lòt aliman ki rich ak vitamin A nan repa timoun nan

pandan epi apre maladi a?

38

Page 39: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

(Si timoun nan te gen lawoujòl oubyen malnitrisyon grav) eske w te ale nan sant sante pou ou ka resevwa yon tretman ak vitamin A?

(Si l te fè yon timoun nan 8 dènye semèn ki pase yo), eske w te resevwa yon grenn vitamin A pandan 8 semèn apre w te fin akouche a?

39

Page 40: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

LESON 6: SWIVI KWASANS

Manman yo pral mennen timoun yo toutan nan yon kote yo fè swivi kwasans. o Yon timoun 0-23 mwa ta dwe ale nan yon sit swivi kwasans (kote yo peze timoun) chak mwa. o Yon timoun 24-59 mwa ta dwe ale nan yon sit yo peze timoun chak twa (3) mwa.

Manman yo ap kapab esplike poukisa li enpòtan pou yo mennen timoun yo pou yo swiv jan y ap grandi: o Pou yo ka jwenn repons sou kesyon kwasans l’epi maladi timoun yo. o Pou yo resevwa lòt sèvis sante tankou : vaksen, referans si gen malnitrisyon, sipleman

vitamin A, medikamen pou vè nan men yon pwofesyonèl sante. Manman yo pra l kapab di kisa k pase nan yon sit swivi kwasans.

o Timoun nan peze epi yo pran mezi l (otè oubyen longè) epi enfimyè a konsilte l.o Vaksen, vitamin A epi timoun nan ka resevwa tou medikaman pou vè. o Fanmi an ka resevwa plis enfòmasyon si timoun nan pa grandi (oubyen referans) sou tretman

an epi pou ede timoun nan grandi byen. Manman yo ap kapab idantifye sou yon koub swivi kwasans si timoun yo devlope byen.

o Si liy nan ap monte, sa vle di ke timoun nan ap pran pwa. o Si pwa timoun nan rete menm jan pandan plis ke yon mwa, oubyen si liy la ap desann,

timoun pa pran pwa epi manman an dwe pran desizyon rapid. Manman yo pral konnen wòl yo nan sit swivi kwasans yo :

o Ede retire rad sou timoun nan epi jwe ak li, san nou pa touche l pandan enfimyè a ap li pwa a. o Ede kenbe timoun nan sou twaz la ; mete men nan met timoun nan alèz. o Poze enfimyè yo kesyono Byen koute konsèy enfimyè a epi mete yo an pratik.

Materyèl 1. Rejis prezans2. Modil pwomotè a

Jwèt: Lidè silansye (lidè ki pa pale) — 10 minit

1. Yon volontè ap kite sal la epi n ap chwazi yon lidè. 2. Y ap rele volontè a vin nan sal la/epi lidè a ap gide gwoup la ak aksyon l yo san l pa pale, tankou

kwaze janm yo, grate zòrèy yo, bat je yo, epi frape pye yo.Patisipan yo pa dwe gade lidè a yon fason pou volontè a ka difisil pou devine kiyès ki a la tèt yo.

3. Volontè a gen 3 chans pou l eseye idantifye lidè a. 4. Yon lòt volontè ap kite sal la epi jwèt la ap kontinye ak yon lòt lidè tou nèf. 5. Kontinye ak plizyè nouvo volontè.

Kounye a nou gen fòs nou pra l koumanse.

PATISIPASYON AK REZOLISYON PWOBLÈM. — 15 minit40

Page 41: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

1. Pwomotè a ap ranpli fich prezans pou chak manman lidè pandan l ap swiv menm modèl la, tankou l te ye nan jwèt wòl modil 1, leson 1 an.

2. Pwomotè a ap mande si youn nan manman lidè yo pat gen pwoblèm nan reyinyon ak vwazen l yo nan 2 semèn ki sot pase yo.

3. Pwomotè a ap ede yo rezoud pwoblèm yo te di yo.4. Pwomotè a ap remèsye tout manman yo pou travay di y ap fè a epi l ap ankouraje yo pou yo

kontinye. 5. Mande chèf aktivite a pou l diskite sou materyèl li ap gen bezwen pou aktivite semèn k ap vini yo

epi mande lòt volontè.

Kat (4) timoun menm laj (Desen 21)

Chak aprè midi, timoun nan vilaj yo al jwe ansanm. Youn nan vwazen yo remake, menm si tout timoun yo gen menm laj, tay yo pa menm. Evlin wo epi l gwo, lòt timoun yo te pi mens. Danyèl sanble an bòn sante men l pi kout pase Evlin. Vwazen an vire fas li bay zanmi l la epi l di: « Gade kouman Bon Dye fè timoun nou yo, timoun nou yo ap toujou kout epi mens. Sèlman pitit [Papa A] a ki dwe gwo epi fò ».

Kisa nou remake de timoun sa yo? Fi [Manman A] a gwo epi l sanble an bòn sante epi pi lou ke lòt 2 timoun ki nan mitan yo. Dezyèm nan ak twazyèm nan mens anpil. Danyèl kout, men l sanble gen bon lasante.

POZE KESYON – 5 minit

41

Page 42: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Poukisa nou panse timoun yo pa menm ni nan tay ni nan pwa yo? Eske nou kwè se Bondye ki fè l konsa? Nou panse papa Danyèl ka fè yon diferans nan lavi epi nan lasante pitit li a?

Aktivite swivi kwasans (Desen 22) — 5 minit

MONTREKisa nou wè sou foto sa a?• [Yon manman] mennen pitit li al wè yon enfimyè. •Enfimyè a peze ti fi [Manman A] a. • Enfimyè a ap mezire longè Evlin.

ESPLIKE :

42

Page 43: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Manman yo toujou ale nan sant sante pou siveye kouman timoun ki gen pi piti ke 5 lane yo ap grandi. Pou timoun 0-23 mwa yo, [Manman A] a mennen yo al fè swivi kwasans chak mwa.

Pou timoun ki nan laj 24-59 mwa yo [Manma A] a mennen yo al fè swivi kwasans, chak 3 mwa.

Apre timoun nan fin peze epi mezire, enfimyè a pra l di si timoun nan ap devlope byen. Enfimyè a bay [Manman A] a konsèy sou kisa l dwe fè epi l poze kesyon pou l ka konnen

egzateman kisa l dwe fè. Volonte Bondye

Nitrisyon timoun yo pandan 5 premye lane y ap viv la gen anpil enfliyans sou fason y ap grandi epi sou lasante yo pou tout rès lavi yo.

Se vre ke Bondye kreye tout moun ak fòm pa yo epi ak gwosè pa yo. Men, tout timoun dwe fè gwo chanjman nan tay yo epi nan pwa yo pandan 5 premye lane lavi yo. Si timoun yo pa grandi ankò oubyen pèdi pwa, gen yon bagay ki pa mache byen.

Manman yo kapab mete men lè timoun yo tonbe malad epi l fè kèk bagay pou ede timoun yo siviv.

Bondye bay manman yo kapasite pou yo fè yon diferans nan lavi pitit yo.

Koub kwasans (Desen 23) — 5 minit

43

Page 44: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

MONTREKisa nou wè sou foto sa a?

ESPLIKE :

Liy sou kat Evlin nan li monte al nan kwen an wo papye a. Pafwa, liy nan desann, men li rete nan lari (2 liy long yo ki deplase nan papye a). Liy pou timoun an ba yo yo desann oubyen monte, men yo rete anba lari a. Se enfimyè a ki swiv Jan timoun nan ap grandi sou yon koub. Enfimyè a mete yon pwen sou kat la pou chak mezi yo. Apre chak mwa, enfimyè a ap trase

yon liy pou fè pwen yo rankontre ki ap montre kouman timoun nan ap grandi. Gen yon lari ki montre kouman timoun nan dwe grandi, ki sou tout paj la. Liy pou timoun yo dwe rete anndan lari a epi grandi chak fwa ke yo pran mezi timoun yo. Si liy la monte, sa vle di ke timoun nan ap pran pwa. Si liy nan rete menm jan depi plis ke yon mwa oubyen si liy nan desann, timoun nan pa grandi

byen epi manman dwe pran yon desizyon rapid pou korije sa. Twa (3) timoun anba yo, liy yo ap desann oubyen yo twò lwen anba lari a. Sa montre fanmi

yo ke yo pa grandi byen. Lè yon timoun pa grandi byen, enfimyè a pra l bay konsèy sou kouman pou l amelyore

kwasans la epi ede timoun nan pou l ka vin miyò.

Si pitit ou a malad oubyen l gen yon maladi ou pa konn kouman pou trete l, kisa w ta dwe fè? Mande ajan sante yo pou w ka jwenn konsèy. Ajan sante yo ka bay medikaman epi konsèy

pou amelyore sante timoun nan. Ajan sante yo ka ede w konnen tou ki manje ki pi bon pou nouri pitit ou a. Timoun ki malad anpil yo ap refere yon kote yo ka ale pou amelyore sante yo (Sant sante

44

Page 45: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

oubyen lopital).

Plis aktivite (Desen 24) — 5 minit

MONTREKisa nou wè sou foto sa a?

Timoun [Manman A] a ap pran vaksen. [Manman A] a ap bay pitit li a grenn pou vè. [Manman A] a ap pran konsèy nan men enfimyè a sou koub kwasans la. [Manman A] a ap resevwa yon gout vitamin A nan men enfimyè a, nan 8 semèn li te fin

akouche a.

ESPLIKE :

45

Page 46: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Gen lòt sèvis sante yo bay nan sit swivi kwasans yo. Si vaksen yo nesesè, ajan sante a bay timoun yo vaksen ki nesesè yo. Si medikaman pou vè yo nesesè, ajan sante a ap bay yo. Si yon fanm ansent oubyen ap bay tete, Enfimyè ap ka ba yo grenn vitamin A. Ajan sante ap pale tou ak chak manman sou kouman timoun yo ap grandi, l ap bay konsèy

pou ede manman an amelyore jan timoun nan ap grandi. Enfimyè yo ka konseye moun ki responsab timoun yo tou pou yo evite timoun yo malad epi

sou swen pou yo bay timoun ki malad yo. Responsablite pa nou (Desen 25) — 5 minit

MONTREKisa nou wè sou foto sa a? Manman ap ede kenbe tèt timoun nan lè y ap mezire longè li. L ap pale ak timoun nan pou l fè l rete. Manman an ap ede yo kenbe timoun nan lè enfimyè a ap ba l vaksen. Manman an ap ede yo kenbe timoun nan pandan enfimyè a ap ba l vitamin A. Yo ta dwe mennen timoun ki nan laj 0-23 mwa yo pou fè swivi kwasans yo, chak mwa. Yo ta dwe mennen timoun ki nan laj 24-59 mwa yo pou fè swivi kwasans yo, chak 3 mwa.

46

Page 47: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

ESPLIKE :

Kounye a se lè pou nou poze kesyon epi jwenn repons sou kesyon n ap poze tèt nou sou lasante timoun piti nou yo ak pi gwo timoun nou yo.

Li enpòtan non sèlman pou nou poze kesyon, men tou pou nou tande konsèy yo ban nou yo. Lè nou ale toutan pou nou swiv jan timoun nou ap grandi, moun ki responsab timoun yo ka fè

yon fason pou kwasans timoun yo bon pa rapò ak lòt timoun. Si timoun yo koumanse ap febli, ajan sante a ap bay [Manman A] a konsèy sou bagay li ka fè

pou l amelyore.

AKTIVITE: Jwèt wòl — 15 minit1. Mete yon twaz ak yon kilòt pou peze sou plas. (Ou ka bezwen fè yon vizit nan sant sante a ak

gwoup swen an, si twaz la ak kilòt pou peze a pa la).2. Peze epi pran mezi timoun ki ak manman yo nan reyinyon an. 3. Pandan w ap peze epi mezire timoun yo, asire nou ke manman yo ap jwe ak yo, ap ankouraje yo

epi ede nou plase yo sou twaz la. 4. Diskite sou kesyon yo ka poze ajan sante yo nan yon sit swivi kwasans.5. Montre kèk koub kwasans. Mande manman lidè yo pou yo evalye kwasans timoun nan. Korije fot

yo fè yo. 6. Sonje mande manman lidè yo chak kilè timoun yo dwe al nan sit kwasans yo (chak mwa pou

timoun nan laj 0-23 mwa yo, epi chak 3 mwa pou timoun 24-59 mwa yo).

SONDE — 10 minitKisa nou panse de lide sa yo? Nou panse ke konsèy sa yo ta ka difisil pou nou swiv? Eske genyen yon bagay ki ta ka anpeche nou swiv oryantasyon sa yo?

Mande manman an pou l pale ak yon fanm ki chita sou kote l la pandan senk(5) minit.Yo ta dwe pataje pwoblèm pèsonèl yo genyen ak nouvo pratik sa yo .Ansanm, yo ta dwe eseye jwenn solisyon ak pwoblèm yo. Apre senk (5) minit, mande manman lidè yo pou yo pataje sa yo te diskite a.

ENFÒME — 5 minitEde yo jwenn solisyon ak pwoblèm yo. Ankouraje yo eseye nouvo pratik sa yo. Si yon fanm jwenn yon bon solisyon ak pwoblèm yon lòt fanm, felisite lepi ankouraje lòt yo wè si yo ta ka itilize solisyon sa a , lè y ap pale ak lòt manman yo.

PRATIK EPI ANKADREMAN— 20 minit1. Mande manman lidè a pou l pataje ansèyman l te aprann jodi a pandan l ap itilize 2 premye kat

nan bwat imaj la.Yo dwe pataje ak yon fanm nan gwoup swen an epi itilize metòd IMSIDE la. 2. Di manman lidè ki koute mesaj sa a , yo ta dwe di sa yo panse de leson an, youn nan rezon yo

panse mesaj sa a ta ka difisil pou yo. 3. Manman lidè ki pataje mesaj sa a dwe eseye ede fanm nan simonte obstak sa a.4. Aprè dis (10) minit, mande fanm yo pou yo chanje wòl. 5. Ajan sante a dwe gade, korije, epi ede manman lidè ki gen difikilte yo. 6. Lè tout moun fin reponn kesyon manman yo genyen sou materyèl yo, oubyen leson jodi a.

MANDE — 2 minitEske nou pare pou nou pran angajman pou nou swiv nouvo pratik nou sot diskite yo?

47

Page 48: ALIMENTATION COMPLEMENTAIRE ET …€¦ · Web viewManman Sofi te swiv konsèy manman lidè a epi l te koumanse ap bay ti Joel tete sèlman. Li te ale nan sant sante a tou nan 8 semèn

Mande manman an pou l fè yon deklarasyon ak bouch li ke l angaje l.

EGZAMINE — 5 minit

Mande chak manman lidè youn apre lòt ki manje yo te bay pitit yo (ki gen plis ke 6 mwa laj), yè. Eske l te ajoute lwil oubyen bè magarin, nan manje a? Eske l te mete aliman ki rich ak pwoteyin? Eske l te mete aliman ki rich ak fè? Eske l te mete aliman ki gen anpil vitamin A? Eske l te mete aliman ki gen anpil vitamin C? Eske l te ajoute sèl yode (oubyen pwason lanmè) nan manje a? Eske l te bay pitit li a aliman sa yo tankou : te, kafe, oubyen kakawo?

48