akademi kreyÒl ayisyen (aka)wilner dorlus ak jounalis jacky marc ki te anime fòmasyon sa a sou...

26
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected] Repiblik Ayiti AKADEMI KREYÒL AYISYEN (AKA) Rapò aktivite Selebrasayon Jounen entènasyonal Lang manman Fevriye 2020 Pòtoprens / Plato Santral - Rapò naratif - Rapò finansye Tèm Ane 2020 an: « Respekte lang manman timoun yo, se respekte dwa yo! » Ak kolaborasyon Biwo UNESCO, Ayiti Sekretarya Egzekitif AKA Avril 2020

Upload: others

Post on 30-Jan-2021

4 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    Rapò aktivite Selebrasayon Jounen entènasyonal Lang manman

    Fevriye 2020

    Pòtoprens / Plato Santral

    - Rapò naratif

    - Rapò finansye

    Tèm Ane 2020 an:

    « Respekte lang manman timoun yo, se respekte dwa yo! »

    Ak kolaborasyon Biwo UNESCO, Ayiti

    Sekretarya Egzekitif AKA

    Avril 2020

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    Rapò naratif: Kontni

    - Entwodiksyon

    I- Aktivite nan Pòtoprens

    I.1.- Entèvansyon Prezidan AKA ak Sekretè Egzekitif AKA ak Espozisyon liv kreyòl nan

    « Salon du Livre Scolaire», Université QUISQUEYA

    I.2,- Kozri DE BATAN nan AKA

    I.3.- Konferans deba pou etidyan ak Akad Gérald Guy MENARD avèk Akad. Emmanuel

    BAZILE nan Fakilte Lenguistik Aplike

    I.4.- Seminè lekti ak ekriti kreyòl pou manm Sosyete Sivil avèk Akademisyen Rogeda D.

    DORCIL / Akad. Gerard M TARDIEU nan Direksyon Etid Pòs Gradye (UEH)

    I.5.- Konferans deba pou elèv klas filo avèk Akad. Pierre Michel CHÉRY / Akad. Rodny

    LAURENT.ESTÉUS nan Lise Petion ;

    I.6.- Konferans Deba pou elèv klas filo avèk Akad. P. JEAN-BAPTISTE nan Lise Toussaint.

    I.7.- Bibliyoterapi avèk Akad Jocelyne TROUILLOT nan « Collège Méthodiste de Frères » ;

    II- Aktivite nan Plato Santral

    II.1.- Sware literè pou lansman aktivite yo Plato Santral nan SMART BAR, Ench;

    II.2.- Fòmasyon pou Jounalis Plato santral nan Bibliyotèk minisipal Ench;

    II.3.- Konferans nan Université Episcopale d’Haiti, Mibalè ak Akad. D.BARTHELMY;

    II.4.- Fòmasyon pou pwofesè kreyòl Plato Santral nan Bibliyotèk minisipal Ench

    II.5.- Konferans nan Collège Saint Matin De Porès avèk Akad. Dominique BARTHELMY ;

    II.6.- Konferans nan « Université Publique du Centre » avèk Akad. Pierre Michel CHÉRY ak

    Akad. Guy Gerald MENARD.

    - Konklizyon

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    Entwodiksyon

    Kòmansman ane 2020 an te chaje difikilte nan peyi a. Sikonstans politik ak sosyal yo te anpeche

    AKA egzekite ajanda li te tabli kòmsadwa pou mwa fevriye 2020 an Jounen entènasyonal lang nan

    okazyon. Malgre sa, AKA te rive reyalize kèk aktivite pandan mwa fevriye 2020 an.

    Pou ane 2020 an, AKA te chwazi tèm: Respekte lang manman timoun yo se respekte dwa yo ! Se

    nan depatman Plato Santral AKA te chwazi selebre dat sila a. Nan tèks sa, nou prezante rapò divès

    aktivite AKA te reyalize nan mwa fevriye a.

    Selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman an (21 fevriye), te pèmèt Akademi Kreyòl Ayisyen

    (AKA) mobilize anpil resous ak enèji, pou òganize plizyè aktivite soti 5 rive 21 fevriye 2020 :

    Konferans deba nan Pòtoprens ak nan Depatman Sant pou elèv, etidyan ak manm kominote a, Seminè

    lekti ak ekriti pou manm sosyete sivil la nan Pòtoprens, fòmasyon pou pwofesè kreyòl ak jounalis,

    espozisyon liv kreyòl nan Ench.

    Apre lansman Jounen entènasyonal lang manman an, 5 fevriye 2020, kote Prezidan Akademi livre

    mesay ofisyèl AKA pou mwa lang matènèl la, nan lokal Akademi Kreyòl Ayisyen, Akademi an te

    òganize yon jounen fòmasyon sou Lekti ak Ekriti pou enstitisyon ak òganizasyon sosyete sivil la

    nan Direction des Études Post-graduées, Pòptoprens. Se Akademisyen Rogéda Dorcé DORCIL ak

    Akademisyen Gérard Marie TARDIEU (ak ekip li) ki te prezante fòmasyon sila a.

    Nan semèn 17 pou rive 22 fevriye, AKA te pwograme yon misyon espesyal nan Depatman Sant kote

    madi 18 ak mèkredi 19 fevriye li te òganize Espozisyon liv ak konferans nan Inivèsite ak nan lekòl.

    Pandan de (2) jounen sa yo, AKA espoze liv ak dokiman kreyòl nan Bibliyotèk minisipal Ench lan

    kote divès jounalis ak pwofesè kreyòl te gen chans fè konesans ak yon dividal liv kreyòl. Yon lòt bò,

    nan komin Ench ak Mibalè, sou tèm,

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    «Respekte lang manman timoun yo, se respekte dwa yo!» Akademisyen Grégory CALIXTE,

    Pierre Michel CHERY, Dominique BARTHELEMY ak Guy Gérald MENARD te prezante konferans

    nan « Université Publique du Centre », nan Lise

    Dumarsais Estimé ak Petit Séminaire Collège Saint Marin de Porresse. Patisipan yo te gen chans

    reyaji sou enpòtans lang manman an genyen nan sistèm edikatif ayisyen an, pandan yo fè konnen

    elèv yo t ap bay plis rannman, si yo te resevwa edikasyon an kreyòl ki se lang yo.

    Toujou nan depatman Sant, Akademi Kreyòl Ayisyen te òganize yon jounen fòmasyon pou jounalis

    pou pèmèt sektè a gen kapasite pou li pi byen itilize lang kreyòl la nan travay li. Se yonn nan gwo

    objektif Akademi Kreyòl Ayisyen bay tèt li nan kad pwomosyon l ap fè pou lang kreyòl la. Se nan

    sans sa a, AKA te òganize madi 18 fevriye 2020 an, yon jounen fòmasyon pou jounalis yo. AKA te

    reyalize fòmasyon sa a nan Bibliyotèk minisipal Ench. Se Akademisyen Pierre Michel CHERY,

    Wilner DORLUS ak jounalis Jacky MARC ki te anime fòmasyon sa a sou kominikasyon kreyòl nan

    medya.

    Mèkredi 19 fevriye 2020, se te fòmasyon pou pwofesè kreyòl nan depatman Sant. Fòmasyon sa a te

    dewoule sou tèm Didaktik kreyòl, lang mantènèl pou swasant (60) pwofesè kreyòl ki soti nan plizyè

    komin nan Depatman an. Akademisyen Grégory CALIXTE ak Wilner DORLUS te gade ak patisipan

    divès fason kèk moun wè lang kreyòl la ak pi bon metòd pwofesè kreyòl yo ka dwe itilize nan klas

    pou fè elèv yo konprann pi byen.

    Jounen entènasyonal lang manman an te bay Akademi an okazyon pou li kontinye travay valorizasyon

    lang kreyòl la epi envite lòt aktè nan sosyete a rejwenn li pou kore devlòpman lang kreyòl la jan

    Konstitisyon peyi a mande sa.

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    I- Aktivite nan Pòtoprens

    I.1.- Entèvansyon Prezidan AKA, Sekretè Egzekitif AKA ak Espozisyon liv kreyòl nan «

    Salon du Livre Scolaire », Université QUISQUEYA.

    Akademi Kreyòl Ayisyen toujou pwofite chak okazyon pou mennen mesaj li ale pi lwen. Sousi sa a

    ranfòse a mezi batay pou lang kreyòl la ap

    miltipliye nan sosyete a. Nan sans sa a, Akademi

    kreyòl Ayisyen patisipe nan dat 6 ak 7 fevriye 2020

    an nan yon aktivite ki pote non « Salon du manuel

    scolaire et des ressources pédagogiques »,

    INNOVE-UniQ. Aktivite sa a te òganize nan

    Inivèsite Kiskeya nan lide pou ankouraje egzèsis

    lekti nan peyi a epi reflechi sou fason ansèyman ap

    fèt nan lekòl yo.

    Nan yon sal plen ak reprezantan MENFP, ak pwofesyonel edikasyon, kad, pwofesè ak reprezantan

    divès sektè piblik kou prive, prezantasyon yo te dewoule pandan premye jounen an sou pwoblematik

    lekti, ekriti liv ak resous pedagojik k ap sèvi pou fòmasyon elèv yo nan sistèm edikasyon ayisyen an.

    Prezidan Akademi an, Akademisyen Pierre-André PIERRE bat bravo pou kokennchenn inisyativ sa

    a epi fè konnen plas lang kreyòl endispansab nan sistèm edikasyon peyi a. « Okenn moun pa ka

    aprann nan lang ki pa lang li…», nou t ap site prezidan Akademi an ki pwofite fè yon rale sou tèm

    Akademi Kreyòl la kenbe pou selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman an pou ane 2020 an :

    « Respekte lang manman timoun yo, se respekte dwa yo !».

    Madanm Luna GOURGUE te pran lapwòl pou l pale sou sitiyasyon lang nan sistèm edikatif ayisyen

    an kote pa gen ni aprantisaj ni konpreyansyon nan sistèm nan ; se etidye, resite pa kè san konprann

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    nan yon lang elèv y opa konnen byen. Konsa pa gen konstriksyon konesans vre ki se eleman

    fondamantal aprantisaj. Sekretè Egzekitif AKA a fè yon bon rale an kreyòl sou divès eleman « siko-

    sosyo-koyitif » ki kanpe tankou yon baryè devan elèv yo.

    Akademi Kreyòl Ayisyen te pwofite de (2) jounen sa yo pou li te espoze anpil liv ak dokiman kreyòl.

    Plizyè Akademisyen otè, editè te ekspoze zèv yo.

    I.2- AKA DE BATAN

    Akademi Kreyòl Ayisyen te louvri pòt li de (2) batan Vandredi 7 fevriye 2020 an, pou lanse premye

    edisyon AKA DE BATAN. Se yon nouvo aktivite ki pou pèmèt plizyè sektè sitou etidyan vini twoke

    lide ak kreyatè yo sou zèv yo reyalize ak

    kide yo devlope.

    Objektif AKA DE BATAN se rive

    “Kreye yon espas pou Akademi Kreyòl

    Ayisyen an tande dizon lòt aktè k ap

    pwodui, reflechi sou/nan lang kreyòl

    ayisyen an. Aktivite sila dwe pèmèt

    Akademi an tounen yon kafou echanj,

    deba, refleksyon pou vansman lang kreyòl

    la.” Konsa, chak dènyè vandredi nan mwa, soti 2è rive 4è, AKA ap louvri pòt li pou resevwa

    pwodiktè, aktè, otè, ak tout moun ki vle patisipe nan AKA DE BATAN.

    Pou premye edisyon AKA DEBATAN, envite donè a se te Akademisyen Ekriven Jean Pauris JEAN

    BAPTISTE.

    Se Sekretè Egzekitif Akademi Kreyòl Ayisyen, Luna GOURGUE ki te louvri AKA DE BATAN.

    Apre li te fin salye asistans lan, douvan plis pase yon douzèn etidyan ki soti sitou nan Fakilte

    Lenguistik Aplike (FLA), Madam GOURGUE te esplike rezon chwa envite donè a. Pou Madam

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    Luna GOURGUE chwa Akademisyen Pauris JEAN BAPTISTE kòm envite donè vle di anpil. Non

    sèlman se premye Prezidan KAd la (Konsèy Administrasyon AKA), Akademisyen an se ekriven, se

    yon otè ki ekri anpil liv kreyòl (mete sou sa, se yonn nan ekriven ayisyen ki soti plis liv woman an

    kreyòl). Li konsakre tout vi li nan travay pou devlòpman lang kreyòl ayisyen an atravè zèv li yo.

    Apre prezantasyon Madam GOURGUE la, li te pase moderatè a, Iléus PAPILLON mikwo a pou rès

    prezantasyon AKA DE BAKAN. Mesye PAPILLON fè yon gwo rale sou Akademisyen Jean Pauris

    JEAN BAPTISTE epi montre plas vanyan gason nan literati peyi Ayiti: «Nou pa konnen poukisa se

    ane 1936 ki pote ban nou twa (3) mapou sa yo. Men ane 1936, se yon ane ki mande nou reflechi sou

    li. Se nan ane sila, 3 mapou nan Literati ayisyen an pran nesans : Jean Pauris JEANBAPTSITE (mas

    1936); Frankétienne (avril 1936) epi Georges CASTERA (desanm 1936) ki mouri nan menm semenn

    aktivite a. Twa (3) gwo wòch dife sa yo, nan fason pa yo pral make Literati ayisyen an ak kreyasyon

    yo. Georges CASTERA se powèt ayisyen ki ekri plis liv pwezi kreyòl epi ki foure pwezi kreyòl la

    nan modènite li; Jean Pauris JEAN BAPTISTE se ekriven ayisyen ki ekri plis woman an kreyòl epi

    Frankétienne ki pibliye yon woman an kreyòl, (akote Émile Célestin MEGIE alyas Tojiram). Nesans

    twa (3) otè sa yo vin akouche yon triyang wololoy. Se twa (3) poto mitan. Sa ki esplike chwa

    Akademisyen JEAN BAPTISTE kòm envite donè gen tout lejitimite l pou yon aktivite konsa ». Sijè

    li trete yo se materyo ki soti dirèkteman nan kotidyen, kilti ak reyalite pèp ayisyen an. Sa ki fè zèv li

    chita doubout nan reyalite sosyal peyi Ayiti. Pami zèv Jean Pauris JEANBAPTISTE yo, nou ka site:

    Pwovèb Ayiti (2011) / Zing Lavi (2008) / Istwa yon chat baka (1983)

    Nan lonbray inosans (1985) Liv sa ranpòte pri Deschamps 1985

    Sogo nan kwazman gran chimen (1979) / Chwichwi Granchemen (1975)

    Deblo Zabèl Bobori (1996) / Lekti sou 2 chèz (1981)

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    Anpil enstitisyon ak pèsonalite tout kalite salye zèv, travay ak enplikasyon Akademisyen JEAN

    BAPTISTE nan kore devlòpman lang kreyòl ayisyen an. E kòm pandan aktivite sila a, AKA te

    pwofite rann Georges CASTERA omaj, Anivince JEAN BAPTISTE te li kèk estrè tèks powèt

    Georges CASTERA ki soti nan yon antoloji ki pote tit Rabouch.

    Nan okazyon an, Akademisyen Jean Pauris JEANBAPTISTE te pran lapawòl pou esprime kijan li

    santi li onore paske AKA chwazi li kòm envite donè nan kad AKA DE BATAN. Li te esplike kijan

    lavi li te kòmanse depi nan komin Tènèv, Depatman Latibonit peyi Ayiti, pase Gonayiv jouk li te rive

    nan peyi Lafrans kote li ta pral etidye : «Premye fwa papa m mennen m lekòl, direktè lekòl la di

    mwen pa te fèt pou lekòl. Se jaden pou m al fè. Mwen retounen jwenn papa mwen Tènèv. Papa m te

    kriye anpil. Men li pa te dekouraje ak mwen. Kòm papa mwen te konn li ak ekri, li te montre m nan

    sa li konnen. Mwen vin ale lekòl toutbon jis nan laj 10 zan nan mitan yon bann timoun mwen te ka

    pwofesè yo. Mwen vin ap premye nan sal la. Mwen panse m te fò, epoutan, se paske m te konnen

    anpil nan sa pwofesè yo ap montre m yo. Papa m te gen tan montre m anpil nan yo. Manman mwen

    pa te konnen li, men li te montre m konte lajan nan mache. Se tout esperyans sila yo ki patisipe nan

    fòme karaktè mwen epi fè mwen vin moun mwen ye jodi a.»

    Apre prezantasyon an, etidyan yo te poze anpil kesyon. Mesye Jean Émile PAUL ki te akonpanye ak

    yon gitaris te anime finisman aktivite a ak chante epi pwezi Georges CASTERA.

    Aktivite a vini a 4è ak anpil kè kontan. Patisipan yo swete AKA DE BATAN kontinye sou menm

    chimen an.

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    I.3.- Konferans deba pou etidyan avèk Akad. Guy Gérald MENARD ak Akad. Emmanuel

    BAZILE nan Fakilte Lenguistik Aplike

    Akademi Kreyòl Ayisyen ap kontinye selebrasyon

    Jounen Entènasyonal Lang Manman an. Lendi 10

    fevriye 2020 an, AKA te kase randevou nan Fakilte

    Lenguistik Aplike (FLA) sou Bwavèna, Pòtoprens. Se

    Akademisyen Guy Gérald MÉNARD ak Akademisyen

    Emmanuel Michel BAZILE ki te pote lapawòl pou

    AKA nan okazsyon an.

    Plis pase 25 etidyan melanje ak pwofesè epi dwayen FLA, Doktè Renaud GOVAIN te patisipe nan

    kozri sila.

    Pou kòmanse, Akademisyen BAZILE tabli règ jwèt la : « Nou pa vin fè yon konferans nan fòm klasik

    tèm nan lan. Men pito, nou vin reflechi ansanm nou pou konnen ki aksyon nou dwe poze pou lang

    kreyòl la pran dwa li tout bon vre nan sosyete a…» Akademisyen an te kontinye pou di « Akademi

    an pa ka fè gwosè travay sa pou kò li, se pou sa li vin jwenn FLA pou yo travay ansanm…» Li te tou

    pwofite okazyon an pou envite jèn yo k ap etidye lang/fonksyònman lang, travay pi plis yon fason

    pou lang lan ka grandi.

    Apre Akademisyen BAZILE te fin entwodui kozri a, li te pase Akademisyen MÉNARD mikwo a.

    Akademisyen Guy Gérald MÉNARD te pwofite prezans AKA nan FLA pou rann powèt Georges

    CASTERA omaj. Nan yon lekti li te fè, Akademisyen MENARD montre pwofondè zèv powèt

    Georges CASTERA ki pati kite nou nan mwa janvye 2020 an. Ekriven an kite dèyè yon latriye zèv

    wòdpòte ki envite nou kesyone egzistans nou kòm moun sou latè. Selon temwanyaj Akademisyen

    MENARD, «Georges CASTERA pa te louvri bouch li pou fè djòlè; men se te pou ede peyi li.» Se te

    yon vanyan gason ki pa te pote pantalon li pou bèl twèl nan foubi fraz pou fè pwezi. CASTERA te

    goumen san pran souf pou ede chanje kondisyon lavi moun. Se pou sa, zèv li yo pote yon latriye

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    revandikasyon. CASTERA se powèt ki jwe ak mo yo jan li vle, san pè ni enkyete sou sa moun pral

    di sou li apre. Li fè tout sa yon fason pou li tradui nan langaj pa li reyalite pèp ayisyen an ap viv. Pou

    fini, konferansye a te li yon powèm li ekri pou rann CASTERA omaj. Yon tèks asistans lan te akeyi

    ak anpil plezi.

    Nan entènasyon pa li, Akademisyen BAZILE te fè yon gwo revelasyon sou zafè lang kreyòl nan peyi

    Ayiti. Men yon lòsyè nan sa li te revele: «Se mwen, Minis Joseph C. BERNARD te voye nan

    Televizsyon Nasyonal Ayiti pou anonse kreyòl pral lang ansèyman tou an Ayiti. Se anba gwo eskòt

    sekirite mwen te antre nan televisyon an ni lè m ap soti paske koze konsa nan ane 1979,1980 yo,

    moun pa te ka oze pale yo…» Akademisyen an te vle montre patisipan yo gen anpil goumen ki fèt

    pou lang sa rive kote li ye la jodi a. Li envite sosyete a, teknisyen nan lang, travay pou fè lang lan

    pale tout kalite koze. Akademisyen BAZILE poze kesyon pou konnen poukisa nan lang kreyòl la nou

    pa ka reflechi pou konnen kijan nou ka fè yon bonm? Kidonk, kreyòl se yon gwo zouti, yon fòs, yon

    enstriman ki dwe ede nou nan tout kalite sèvis nan sosyete a. Nou pa dwe itilize lang lan pou manje

    sèlman ak pale pawòl van ki pap regle anyen pou sosyete a. Fòk nou antre lang kreyòl la nan tout

    domèn syantifik : nan teknoloji, sante, ekonomi, jewografi, elatriye… »

    Sa ki ta pral mete plis anbyans nan kozri a, se moman Akademisyen BAZILE te leve tèt li gade nan

    sal la, toupre foto ansyen Dwayen, Doktè Pierre VERNET (ki mouri nan tranblemanntè 12 janvye

    2020 anndan FLA), li wè yon afich: « Lang kreyòl, zouti ak flanbo pèp ayisyen…» Pawòl sa te

    pouse Akademisyen an poze anpil kesyon epi envite etidyan yo pataje sa yo konprann nan afich la.

    Kesyon yo te pote Akademisyen an deklare pawòl sa yo: « Pou lang kreyòl la flanbo pèp la, nou dwe

    travay lang lan. Pa dwe gen parese ladan l. Nou dwe travay san rete pou devlòpman lang lan.» Dwayen

    FLA, Doktè Renaud GOVAIN ki te pran lapawòl nan okazyon an te rapousuiv menm lide a pandan

    li te fè konnen, « lang pa bezwen moun defann li. Lang bezwen moun k ap travay li, pwodui ladan l.

    E wòl lenguis yo menm se obsève, dekri epi fè konklizyon pou gade èske prensip ki tabli pou

    fonksyònman lang lan respekte…» Doktè GOVAIN te fè yon entèvansyon manchlong pou

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    fè patisipan yo konprann kijan deba sa yo enteresan men sa ki pi enteresan se pwodui nan lang lan k

    ap pèmèt li devlope plis. Apre plizyè minit deba, echanj, patisipan yo te montre yo satisfè.

    Pou mete bout nan kozri a, Mesye Jean Émile PAUL te li yon tèks Georges CASTERA.

    I.4.- Seminè lekti ak ekriti kreyòl pou manm Sosyete Sivil, Pòtoprens avèk Akademisyen

    Rogeda D. DORCIL / Akad. Gérard M. TARDIEU nan Direksyon Etid Pòs Gradye (UEH)

    Pou rapousuiv seri konferans ak fòmasyon ki

    pou pèmèt tout sektè gen kapasite pou itilize

    lang kreyòl la nan travay yo pi byen, jou madi

    11 fevriye 2020 an Akademi Kreyòl Ayisyen

    òganize yon Jounen fòmasyon sou lekti ak

    ekriti kreyòl pou manm enstitisyon ak

    òganizasyon nan sosyete sivil la. Fòmasyon

    sa a reyalize yon fason pou AKA pote kole

    nan ranfòsman kapasite yon seri pwofesyonèl

    k ap sèvi popilasyon an chak jou e ki gen difikilte oubyen ki itilize lang kreyòl la pi byen. Konsa

    jounen fòmasyon sa a ap ankouraje pwofesyonel yo ekri kreyòl nan travay yo ak sèvis y ap bay

    popilasyon an chak jou. Yon ventèn patisipan ki soti nan divès enstitisyon piblik, prive ak

    òganizasyon sosyal te patisipe nan jounen fòmasyon sa a. Patisipans yo te gen chans fè konesans ak

    yon seri prensip ki ap pèmèt yo pale epi ekri pi byen. Se Akademisyen Rogéda Dorcé DORCIL ak

    Gérard Marie TARDIEU ki te anime fòmasyon sila a pandan tout yon jounen an nan lokal Direction

    des Etudes Post-graduées (DEP). De (2) entèvenan yo te reponn kesyon patisipan yo ki te twoke lide

    ak yo epi pataje esperyans yo sou plas kreyòl la nan tout enstitisyon ki la pou sèvi popilasyon an.

    Fòmasyon an fini ak temwayaj patisipan yo ki esprime satisfaksyon yo pou jan atelye a ba yo plis

    teknik epi zouti pou konprann, li ak ekri kreyòl pi byen epi esprime dezakò yo pou jan Leta pa

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    anbrase lang kreyòl la. . Patisipan yo reyaji sou enpòtans lang manman an genyen nan sosyete a yo

    ajoute pou di kijan itilizasyon lang kreyòl la kapab fasilite pwofesyonèl yo sèvi popilasyon an pi

    byen.

    I.5.- Konferans Deba nan Lise Alexandre Pétion

    Jou mèkredi 12 fevriye 2020 an Lise Alexandre Petion te resevwa Akademi Kreyòl Ayisyen an pou

    yon yon konferans-deba pou elèv ki nan

    klas reto, filo. Akademi Kreyòl Ayisyen te

    òganize aktivite sa a nan kad selebresyon

    Jounen entènasyonal lang manman pou ane

    2020 an. Akademisyen Rodny ESTEUS ak

    Akademisyen Pierre Michel CHERY te

    pase yon bon tan ap twoke lide ak elèv yo

    epi fè egzesis ki pèmèt yo reflechi.

    Akademisyèn Rodny ESTEUS te touche kesyon idantite a, pandan li fè konnen lang lan se yonn nan

    pi gwo makfabrik yon pèp. Daprè Akademisyen Rodny ESTEUS, lang nou se senbòl fyète nou devan

    lòt nasyon yo.

    Akademisyen Pierre Michel CHERY sou bò pa l te anime yon atelye ak elèv yo sou ekriti kreyòl epi

    poze yon seri kesyon nan sal la kote chak elèv ak yon fèy blanch nan men yo t ap reponn kesyon.

    Elèv yo poze anpil kesyon sou Akademi an epi sou lang kreyòl la tou. Yo mete aksan tou sou jan Leta

    peyi a ap jere koze kreyòl la ki pa gen plas li tout bon nan enstitisyon yo ak nan sistèm edikatif ayisyen

    an.

    Konferans sa a te fini ak anpil reyaksyon kote elèv yo pa t ezite pataje sa yo aprann nan moman

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    konferans lan, epi pwomèt pou yo anbrase koze kreyòl la pi plis toujou pou vansman lang kreyòl la

    nan fason y ap ekri epi pale kreyòl la san baboukèt.

    I.6.- Konferans Deba pou elèv filo avèk Akad. Pauris JEAN BAPTISTE nan Lise Toussaint

    Louverture

    Toujou nan kad selebre jounen lang

    manman pou ane 2020 an, Akademi

    Kreyòl Ayisyen òganize yon konferans

    deba nan lise Tousen. Se nan nan yon

    anbyans kèkontan, elèv Lise Toussaint

    Louverture, resevwa Akademi Kreyòl

    Ayisyen (AKA), jedi 13 fevriye 2020 an.

    Akademisyen Jean Pauris JEAN

    BAPTISTE te bay yon konferans byen

    long kote li fè yon rale sou prezans lang

    kreyòl la nan Konstitisyon peyi a ak aplikasyon li nan sosyete a. Akademisyen an di li konsidere lang

    manman an (kreyòl), kòm yonn nan eleman esansyèl pou idantifye pèp ayisyen an.

    Elèv yo ki te swaf sa, te pran tan pou yo pataje esperyans yo epi aspirasyon yo nan jan kreyòl la dwe

    pran chimen nan peyi a ; yo pale tou sou presyon kèk pwofesè konn fè yo pou egzije yo pale franse

    nan plas kreyòl ki se lang yo kòm pèp ayisyen.

    Nan okazyon an kèk elèv deklare, yo swete Leta pran tout dispozisyon pou timoun yo jwenn

    edikasyon nan lang manman yo.

    I.7.- Bibliyoterapi nan « Collège Méthodiste de Frères », Petyonvil

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    A kademi Kreyòl Ayisyen te òganize yon konferans deba ak yon egzèsis bibliyoterapi nan lekòl «

    Collège Méthodiste de Frères » nan Petyonvil nan dat 17 mas 2020. Se te yon aktivite ki te pwograme

    pou 20 fevriye men ki pa te rive fèt akoz latwoublay sosyopolitik nan peyi a.

    Akademisyen Jean Pauris JEAN-BAPTISTE te kòmanse jounen an ak tèm lang matènèl la “Respekte

    lang manman timoun yo, se respekte dwa yo ! » pou sansibilize elèv yo sou plas kreyòl nan vi yo

    kòm sitwayen men sitou kijan kreyòl la se yon zouti pou sistèm edikatif ayisyen an.

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    Tout swit apre, Akademisyèn Jocelyne TROUILLOT te gwoupe elèv pa 4 pou li fè yo travay sou 2

    liv istwa li ekri pou timoun men ki gen gwo valè sosyal, moral pou elèv yo. Chak gwoup te gen 15

    jiska 30 minit pou yo li tèks yo epi reflechi sou yo ansanm. Li te distribiye plizyè liv bay elèv yo.

    Pandan elèv yo ap li epi reflechi sou tèks yo, Akademisyèn nan pase nan chak gwoup pou oryante yo

    epi ede yo sezi lide ki trete nan liv yo. Elèv yo fè echanj sou liv yo li a nan gwoup yo.

    Akademisyen Jocelyne TROUILLOT an aprè, te envite plizyè elèv esprime yo pou di ki leson yo

    aprann nan liv yo, ki sa yo viv nan lavi yo : emosyon, santiman... Akademisyen an mande elèv yo

    pou yo pa pè pale paske perèz ka koz malè rive yo. Apre li konseye yo kijan pou yo viv emosyon yo.

    Apre seyans travay sa a Akademisyen an ramase liv yo men li remèt nan direksyon lekòl la yon

    egzanplè chak liv yo. Konsa rès elèv ki pa t gen chans patisipe nan seyans bibliyoterapi a ap kapab

    ale li liv yo nan bibliyotèk lekòl la.

    Se nan yon anbyans kè kontan, elèv yo te resevwa Akademi an. Responsab lekòl la pa t ezite remesye

    2 akademisyen yo pou travay y ap fè nan peyi pou gen yon sistèm edikatif ki bay lang manman plas

    li merite toutbonvre.

    II- Aktivite AKA nan Plato santral

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    II.1- Sware literè nan SMART BAR, Ench

    Li te 7è PM. Sware literè SMART Bar la te reyini yon kenzèn patisipan konsa. Pou louvri sware a,

    Kòdonatè rejyonal selebrasyon an, Mesye Smith Desrosiers te envite madam Luna Gourgue pou li

    vin salye asistans lan epi mete aktivite a nan kontèks li. Pandan dewoulman sware a, plizyè atis

    kominote a te kontan deklame pwezi, eslam, jwe mizik enstrimantal, chante. Akademisyen Guy

    Ménard te deklame yon powèm pou salye memwa powèt Georges Castera ki mouri nan mwa janvye

    a. Mesye Anivince Jean Baptiste te fè yon ti rale sou istwa pwezi lang kreyòl ayisyen an daprè liv

    Akademisyen Michel-Ange Hyppolite la « Istwa pwezi kreyòl Ayiti ». Anivince te mete aksan sou

    plizyè otè ak tèks ki make istwa literè lang nasyonal ayisyen an, soti nan lane 1700 yo pou bout nan

    ane 2000. Kozri sila a te pwovoke anpil entèraksyon bò kote piblik la, kote majorite kesyon yo te ale

    nan sans ki politik Akademi Kreyòl Ayisyen pou pwomosyon literati kreyòl ayisyen an. Piblik la te

    gen posiblilte asiste yon prestasyon chante Akademisyen Gregory Calixte. Pou fini, Sekretè Egzektif

    la te repran lapawòl pou remèsye asistans lan pou deplasman li epi kominike li kalandriye aktivite

    AKA pou Depatman an nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang manman 2020 an.

    II.2.- Konferans pou etidyan nan Université Episcopale d’Haiti, Ench avèk Akad. Dominique

    BARTHELMY

    Madi 18 fevriye, soti 2è PM pou rive 4è, Akademisyen Dominique BARTHELMY, ki se avoka, jiy

    nan vil Okap, te prezante nan anèks Université Episcopale d’Haiti nan vil Ench, yon konferans sou

    tèm : « Lang kreyòl ak lajistis ». Devan anviwon yon kenzèn etidyan, Akademisyen an fè yon bèl rale

    sou sitiyasyon lang kreyòl la nan sistèm jistis peyi Ayiti kote majorite popilasyon an pa konprann g-

    a ga nan lang pwofesyonèl lajistis yo itilize kit se lè y ap ekri, kit se lè y ap plede.

    Daprè Akademisyen an, yon sitiyasyon esklizyon konsa fè anpil moun enjistis. Li mete aksan sou

    wòl lajenès kapab jwe pou chanje dòn yo lè yo va genyen pou yo nan pòs desizyon demen. Te genyen

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    anpil reyaksyon bò kote piblik la ki te sitou gen rapò ak travay Akademi Kreyòl Ayisyen, rapò li avèk

    Ministè Edikasyon Nasyonal, sa li fè pou ede sitiyasyon miwomiba lengwistik ki genyen nan sistèm

    jistis peyi a. Yo swete sa chanje kote lang kreyòl la va genyen plas li merite toutbonvre kòm lang ki

    simante tout Ayisyen nan peyi a.

    II.3.- Fòmasyon pou jounalis Depatman Sant nan Bibliyotèk Minisipal nan vil Ench

    Nan okasyon selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman an, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)

    te òganize yon seyans fòmasyon pou jounalis

    nan vil Ench anba tèm « kominikasyon

    kreyòl nan medya» Fòmasyon sa a te

    dewoule 18 fevriye 2020. Konferans-deba,

    espozisyon liv ak dokiman kreyòl se kèk

    pami aktivite ki te genyen.

    Yon kenzèn jounalis ki soti nan divès radyo ak televizyon nan depatman an te reponn prezan.

    Entèvenan yo te mete aksan sou enpòtans bon itilizasyon lang kreyòl la, sèl lang majorite Ayisyen pi

    byen pale ak konprann. Yo pran kèk egzanp ki montre dega sa kapab koze, lè jounalis yo mal itilize

    lang kreyòl la nan travay yo.

    Akademisyen Guy Gérald MENARD te montre enpòtans lang kreyòl la genyen pou medya yo se sa

    ki fè AKA pran inisyativ sa a. Akademisyen an te pwofite pale sou lang kreyòl la ki se yon zouti

    jounalis dwe valorize, ki dwe genyen plas li nan sosyete a.

    Akademisyen Wilner DORLUS bò kote pa li te prezante tèm nan ki se «sosyolengwistik»

    Akademisyen an te pale sou konpetans nan kominikasyon paske lè jounalis yo ap prezante yon nouvèl

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    se konpetans yo y ap mete an an valè. Li te pwofite fè yon yon analiz global sou fason lang lan ap

    pale. Pou li, objektif AKA se mobilize pou fè konprann pwoblèm lang genyen nan sosyete a. Li

    montre kijan tou mobilizasyon sa a ap pèmèt nou evolye kòm pwofesyonèl e sa ap pèmèt yo kapab

    fè entèraksyon trè byen nan lang lan. Li di anpil otè di Ayiti se yon peyi bileng, gen lòt ki di Ayiti pa

    yon peyi bileng men se yon peyi « Diglosi » , yo ka konsidere « Diglosi » tankou lang enferyè pa

    rapò ak lang siperyè an Ayiti. Yo di si yon moun bileng fòk li genyen kapasite pou li pale swa fransè

    ou byen kreyòl. Akademisyen an te pale de Yves DEJAN ki te ekri liv « Yon lekòl tèt anba nan peyi

    tèt anba » DEJAN di konsa : ni bileng ni diglosi pa ka aplike an Ayiti paske fòk pata gen prejije nan

    lang lan, ki donk Ayisyen pa gen chwa nan lang y ap pale. Akademisyen an di kreyòl ak fransè se De

    (2) lang ofisyèl peyi a genyen. Yo mete Kreyòl la devan paske se sèl lang ki simante tout Ayisyen

    ansanm.

    Atik 213 nan konstitisyon an di lang kreyòl la ofisyèl sou papye men nan reyalite a, bagay yo diferan.

    Wòl AKA se fè travay sa a ki sou papye a vini yon realite. AKA pap kapab fè lang lan pwopaje san

    otorizasyon Minis Edikasyon Nasyonal la. AKA dwe fè patenarya ak Minis Edikasyon Nasyonal la

    pou lang kreyòl la kapab vilgarize pi vit paske nan tout enstitisyon yo se fransè yo plis pale ki donk

    pou travay sa kapab gen plis valè, AKA dwe fè patenarya ak plizye enstans toukou : Edikasyon

    Nasyonal, Lapolis, Premati Pou nou site sa yo sèlman.

    Wòl AKA se planifye chanjman global nan peyi a ni sou kesyon lajistis, politik, administrasyon ki

    donk fòk genyen yon amenajman lengwistik pou chak enstans sa yo, ak yon chita pale pou nou kapab

    wè bezwen yo. Akademisyen an te pale sou kòman AKA sitiye li nan kontèks sosyal lang kreyòl la

    ap fè fas nan diferan medya yo. Akademisyen DORLUS kontinye pale pou li di AKA p ap fè

    pledwaye pou lang kreyòl la, men, se pran dispozisyon legal ak tout dispozitif pou lang kreyòl la. Li

    di tou, entèvansyon pou yon enstitisyon genyen pou li mennen yon lang, chita sou De

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    (2) nivo : 1-nivo estati : prezans lang nan diferan aktivite nan peyi a. 2-nivo kòpis : òtograf, diksyonè,

    gramè. Li di AKA gen yon plan pou ede tout enstans develope konpetans yo nan lang lan. Li la pou

    pwopoze lwa ou amelyore lwa paske lwa se premye zouti kominikasyon li ye epi lachanm ap vote li.

    AKA pa yon enstitisyon politik, wòl li se ankouraje pwodiksyon an kreyòl . Li pa chita sou anyen

    materyèl.

    Dezyèm entèvansyon pou jounen madi 18 fevriye 2020 an

    Entèvenan : Jacky MARC

    Sijè :Teknik ak estrateji pou enfòme an kreyòl.

    Mesye MARC te salye tout jounalis yo ki te la a nan jou a epi li te kòmanse entèvansyon li an konsa :

    Redit kreyòl ak fransè. Li pati sou yon seri kesyon ki marande lang ak medya.

    1-Poukisa majorite medya yo pale kreyòl ? Eske se paske yo manke konpetans, lakin an franse oubyen

    yo vle tout moun konprann sa y ap di a ?

    2- Kòman ou konprann AKA nan travay l ap fè a poutan nou pa gen anpil atik ki ekri an kreyòl nan

    jounal Nouvelis ?

    3- Nan laprès ekri ki pwoblèm ki genyen pou yon jounalis byen prezante yon nouvèl an kreyòl ?

    Mesye MARC te vle fè we kantite konfli ki genyen andedan medya yo nan bay nouvèl an kreyòl

    pandan se lang kreyòl la ki simante tout Ayisyen. Li di anpil moun pale fransè, se endikatè yon ran

    sosyal, li di tou pale fransè a li reponn ak yon bezwen. Li pale de Absans sektè pwodiksyon kreyòl

    nan anpil medya..

    Li di yon nouvèl gen sans li, se lè li an rapò ak lang ki pwodui li a. Anpil fwa nou toujou mete nan

    tèt nou kreyòl la se lang eksplikasyon li ye.

    Twazyèm entèvansyon pou jounen madi 18 fevriye 2020 an

    Sijè : Entèferans nan lang kreyòl la

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    Akademisyen Pierre Michel CHERY te salye tout jounalis ki te la nan moman an epi li te kòmanse

    pou li di genyen yon advèsè ki frape patrimwan nou se kontak li avèk lang etranjè a. Mesye CHERY

    di moun ki ap pale nan radyo yo se yo menm ki enflyanse destin lang lan. Li mande pou tout medya

    yo ki te la a nan jou a pou yo toujou ekri tout sa yo pral di yon fason pou yo pa enprovize nan mikwo

    yo, konsa sa ap ede yo pou yo di bon pawòl konsènan lang lan paske medya yo se yon pyonye nan fè

    pwomosyon pou lang lan kapab pwopaje pi fasil. Li pwofite ap site anpil pawòl dwòl medya yo

    konn di lè y ap bay nouvèl. egzanp :« Nou pral sede mesye Jòj lapawòl » li di pawòl sa a pa sanble

    kreyòl, li mamde pou tou medya fè jefò pou yo korije pwoblèm sa a. Akademisyen an te vle fè

    konprann kòman medya ap pale kreyòl poutan menm pawòl y ap di an kreyòl la sanble tipikman ak

    fransè . Akademisyen an te pran plizyè lòt egzanp konsa pou montre kijan jounalis yo ka lakoz

    entèferans nan lang kreyòl la.

    II.4.-Konferans deba nan lekòl Petit Séminaire Saint Martin de Porres (PSCSMP) nan Ench

    «Wòl ak enpòtans lang kreyòl nan lajistis »

    Akademi kreyòl Ayisyen an te òganize nan dat 19

    mas 2020, yon konferans deba nan vil Ench nan lekòl

    Petit Séminaire Saint Martin de Porres

    (PSCSMP).

    De (2) reprezantan komite rejyonal la ki se de (2)

    ansyen elèv lekòl la, te prezante ekip Akademi an bay

    elèv yo apre pase lapawòl bay konferansye a,

    Akademisyen Dominique BARTHELEMY.

    Kòm se nan klas filo deba a t ap fèt, Akademisyen an te chwazi fè deba sou wòl ak enpòtans lang

    kreyòl nan lajitis olye wòl ak enpòtans lang kreyòl nan lekòl. Akademisyen an te tante jwenn kèk

    definisyon nan bouch elèv yo sou kisa lajistis ak lang manman vle di pou yo.

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    Pou Akademisyen an, pèp ayisyen an ap sibi yon vyolasyon lengwistik grav paske Leta chwazi pou

    rann lajistis nan yon lang ki pa lang matènèl pèp ayisyen an kote se apèn 5 ak 10% nan jistisyab yo

    sèlman ki rive konprann sa k ap fèt lè jijman ak lòt pratik ap fèt nan domèn lajistis. Pi lwen, li di li

    regrèt paske tout dokiman: liv dwa, kòd lwa peyi a ap itilize nan domèn lajistis se nan lang frase yo

    ekri alòske pi fò popilasyon an se kreyòl yo pale.

    Jeneralman, lè y ap jije yon moun, jij la oubyen majistra poze prezime koupab la kesyon yo an kreyòl

    e akize a li menm tou, reponn an kreyòl, men grefye k ap pran nòt la li menm gen pou devwa tradwi

    epi ekri kesyon ak repons yo an franse. Konsa, sa konn rive grefye a pa te tradwi egzakteman sa ki te

    di yo nan lang franse a sa ki konn lakòz enstriksyon an rapòte sa moun nan pa di.

    Tout Ayisyen dwe pale kreyòl san baboukèt paske menm lè Konstitisyon an di peyi a gen de (2) lang

    ofisyèl: Franse ak Kreyòl. Men, kreyòl la se sèl lang ki simante tout Ayisyen toutbonvre. “Chanjman

    peyi” nou tout ap tann lan se atravè edikasyon pou l fèt, e, pou yon bon edikasyon fèt, se avèk lang

    matènèl pou li fèt.

    Si nou pa vle kontinye viktim nan move entèpretasyon ak tradiksyon lè deba yo ap fèt nan jijman, se

    nou ki dwe goumen pou jijman yo fèt nan lang manman nou ki se lang kreyòl la, lang tout Ayisyen

    ki fèt e k ap viv an Ayiti konprann menm si pa t ale lekòl.

    II.5.- Fòmasyon pou pwofesè lang kreyòl nan Bibliyotèk Minisipal nan vil Ench

    Toujou nan kad aktvite pou selebre Jounen entènasyonal lang manman an, Akademi Kreyòl Ayisyen

    (AKA) te òganize yon seyans fòmasyon pou pwofesè nan vil Ench.

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    Tèm nan se te « Respekte lang manman timoun yo, se

    respekte dwa yo !» Fòmasyon sa a te dewoule nan Bibliyotèk

    Minisipal nan vil Ench, 19 fevriye 2020.

    Nan okazyon an, AKA te òganize yon, espozisyon liv ak

    dokiman kreyòl.

    Pami pwen yo, fòmatè yo te chita sou konpetans langaj ak pedagojik yon pwofesè kreyòl dwe genyen

    epi konpetans lengwistik ak sosyolengwistik ki se kèk eleman enpòtan pou yon anseyan.

    Premye entèvansyon pou jounen mèkredi 19 fevriye 2020

    Sijè: Sistèm òtograf kreyòl la

    Akademisyen Grégory CALIXTE te kòmanse entèvansyon l lan sou kantite lang ki genyen sou latè

    epi ak konbyen lèt ki genyen nan òtograf kreyòl la. Li fè konnen alfabè se siy pou reprezante « SON

    » epi li te di pa gen konsòn san vwayèl, pa gen lèt ki bèbè nan lang kreyòl la ki donk, chak lèt rete

    nan wòl yo. Li te pale sou diferan lèt tankou: lèt monograf, digraf ak trigraf.

    Dezyèm entèvansyon pou jounen mèkredi 19 fevriye 2020

    Entèvenan : Wilner DORLUS

    Sijè: Prensip fondamantal lang manman.

    Akademisyen DORLUS te kòmanse prezantasyon li a ak yon kesyon: Lè yo pale de lang manman,

    kisa sa vle di? Se yon konnsansis otorite Leta nan diferan peyi pou yo selebre lang manman. Li di

    pawòl lang matènèl se lang òdinè moun pale, se yon vokab ki sòti nan langaj òdinè. Poukisa syantifik

    yo pale sou lang manman? Sa vle di se lang, ki plase nan premye ran nesans yon moun, nou ta ka di

    tou, se lang ki parèt nan premye moman yon timoun. Li fè konnen, lang se yon fenomèn kiltirèl nou

    jwenn nan espas sosyal la, tandiske, langaj se yon kapasite ou genyen depi jou ou fèt la.

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    Li te abòde aspè didaktik la ki vle di ansèyman aprantisaj lang, se chemen pou fè moun aprann, se

    metòd pou fè ansèyman pi fasil. Li te pale sou sitiyasyon atifisyèl lang lan ki se tout eleman ou itilize

    pou fè yon moun pale yon lang.

    Te gen anpil echanj nan moman twoke lide nan atelye yo kote patisipan yo te aplodi inisyativ la epi

    pwopoze pou tout enstans pibliye tout dokiman administratif nan lang pèp ayisyen an. Patisipan yo

    te pataje esperyans yo ak fòmatè yo epi ankouraje Akademi Kreyòl Ayisyen kontinye travay pou

    kreyòl la jwenn plas li nan tout sistèm edikatif ayisyen an, yon fason pou plis elèv kapab reyisi.

    II.6.- Konferans nan Université Publique du Centre / Akad. Pierre Michel CHÉRY, Akad.

    Guy Gérald MENARD

    Mèkredi 19 fevriye 2020, 10è nan maten, AKA te òganize yon konferans nan (Université du Centre

    de Mirbalais). Plis pase 40 etidyan ak yon ventèn elèv ki soti nan Collège CABM te patisipe nan

    konferans sila.

    Akademisyen Pierre Michel CHERY ak Akademisyen Guy Gérald MENARD se te de (2)

    entèvenan nan kad konferans sila a. Akademisyen Pierre Michel CHERY te vini pran pawòl pou

    montre kijan tout pratik, tout aktivite nou gen Matematik ladann yo: timachann k ap vann nan mache,

    fè Matematik san li pa rann li kont de sa. Matematik se yon reyalite nou mete sou yon fèy papye. Li

    enpòtan pou ensèyman matematik fèt an Kreyòl. Pou sa, pwofesè Matematik yo metrize lang kreyòl

    la. Akademisyen kontinye pou fè konnen, Matematik se yon syans tout moun ta dwe metrize. Pèsonn

    pa dwe neglije matematik paske nou jwenn li nan tout ti detay. Li fè yon rale sou konsèp matematik

    li ap mete nan lang kreyòl pou yon pi bon aprantisaj matematik.

    Akademisyen Guy Gérald MENARD, bò kote pa li, te pran lapawòl pou l te pale ak etidyan yo de

    enpòtans lang Kreyòl. Pou Akademisyen an, kreyòl se yon lang ofisyèl popilasyon an gen dwa pou

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    li pale san diskrininasyon, san prejije nan peyi a. Li te pale tou de misyon AKA nan sosyete a ak

    travay Akademi Kreyòl Ayisyen ap fè nan tout peyi a. Akademisyen MÉNARD te pwofite salye

    travay powèt Félix Morisseau LEROY ak Georges CASTERA, de (2) potorik ekriven, ki te

    goumen pou bay lang kreyòl valè pandan yo devlope yon pwezi tipikman kreyòl nan literati peyi a.

    Etidyan yo te poze kesyon. Konsa, te gen bon jan echanj ant Akademisyen ak patisipan yo.

    Konklizyon

    Selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman an pa t rive nan bout li jan AKA te planifye sa. Apre

    nouvèl konsènan revandikasyon polisye nan Pòtoprens, delegasyon an ki te gen nan tèt li Vis Prezidan

    KAd la, Guy Gérald MENARD ak Sekretè Egzekitif la, te deside apre konsètasyon yo ak pifò

    Akademisyen ki te prezan nan vil Ench, abandone rès akativite yo epi retounen Pòtoprens nan dat

    jedi 20 fevriye 2020 bonè nan maten. Kidonk delegasyon an te blije anile 3 konferans ki te pwograme

    nan Ench ak nan Mayisad (20 fev), vizit touristk AKA nan Basen Zim (21 fev nan maten) ansanm

    ak Seremoni ofisyèl selebrasyon Lang manman sou Plas Charlemagne Peralte nan 21 fev nan

    apremidi.

    Se te yon desizyon difisil, men pou sekirite vi manm delegasyon ak byen enstitisyon an, se te desizyon

    ki pi saj nan moman an. Responsab yo gen satisfaksyon pifò aktivite yo te gentan dewoule san

    pwoblèm. Kòm pwomès se dèt, AKA pwomèt, lè sa bon, pou al rankontre notab yo nan komin

    Mayisad ak Sèkalasous epi òganize yon rankont foto avèk Manm Komite rejyonal Depatman Sant

    lan.

    Selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang manman 2020, te byen pase nan Pòtoprens kote tout

    randevou yo te rive respekte. AKA te reyalize plizyè deplasman nan lekòl ak nan Inivèsite. Nan Plato

    Santral se de (2) dènye jou aktivite yo AKA te blije anile, alos 3 premye jou yo te byen pase.

  • 6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel: [email protected]

    Repiblik Ayiti

    AKADEMI KREYÒL AYISYEN

    (AKA)

    Sekretarya Egzekitif Akademi an pwofite remèsye tout patisipan yo tout Anplwaye yo ki te akonpaye

    Akademisyen yo nan mete anplas estrikti lojistik epi ajanda planifikasyon aktivite yo. Sekretarya

    Egzekitif la remèsye tout Akademisyen ki te kreye tan pou prepare konferans, fòmasyon pou jounalis,

    fòmasyon pou pwofesè kreyòl ak emisyon nan radyo. Yon remèsiman espesyal pou tout entèvenan

    yo : Akademisyen PA Pierre, GG Ménard, E Bazile, GM Tardieu, PM Chery, RD Dorcil, P Jean-

    Baptiste, W Dorlus, MR Laurent Estéus, D. Barthelmy, G Calixte, J Trouillot.